BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es19 p. 37-46
  • Avril

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Avril
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2019
  • Soutit
  • Lendi 1ye avril
  • Madi 2 avril
  • Mèkredi 3 avril
  • Jedi 4 avril
  • Vandredi 5 avril
  • Samdi 6 avril
  • Dimanch 7 avril
  • Lendi 8 avril
  • Madi 9 avril
  • Mèkredi 10 avril
  • Jedi 11 avril
  • Vandredi 12 avril
  • Samdi 13 avril
  • Dimanch 14 avril
  • Lendi 15 avril
  • Madi 16 avril
  • Mèkredi 17 avril
  • Jedi 18 avril
  • Dat Memoryal la
    Apre solèy la fin kouche
    Vandredi 19 avril
  • Samdi 20 avril
  • Dimanch 21 avril
  • Lendi 22 avril
  • Madi 23 avril
  • Mèkredi 24 avril
  • Jedi 25 avril
  • Vandredi 26 avril
  • Samdi 27 avril
  • Dimanch 28 avril
  • Lendi 29 avril
  • Madi 30 avril
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2019
es19 p. 37-46

Avril

Lendi 1ye avril

Li bay gason kòm kado. — Efe. 4:8.

Ki jan n ka jwenn byenfè grasa kado sa yo ki gen anpil valè? Youn nan fason yo se lè n imite lafwa ansyen yo ansanm ak bèl egzanp yo bay. Yon lòt fason se lè n koute konsèy yo bay ki soti nan Ekriti yo (Ebre 13:7, 17). Sonje sa, ansyen yo renmen nou e yo vle n vin djanm nan domèn espirityèl. Pa egzanp, si yo remake n ap rate reyinyon oswa n vin frèt, li klè y ap aji byen vit pou vin ede n. Y ap koute nou, e apre sa, y ap eseye fè n vin djanm grasa bon ankourajman ansanm ak kèk konsèy apwopriye ki soti nan Ekriti yo. Èske n konsidere èd sa yo kòm yon prèv ki montre lanmou Jewova gen pou nou? Toujou sonje l ka pa fasil pou ansyen yo pwoche kote n pou ban nou konsèy ki nesesè. Donk, ki jan w ka fè chay ki sou do ansyen yo vin fasil pou yo pote? Montre w gen imilite, ou abòdab e w gen rekonesans. Konsidere èd y ap ba w la kòm yon prèv ki montre lanmou Bondye gen pou ou. Nonsèlman sa ap fè w jwenn byenfè, men tou, sa ap fè yo jwenn plis jwa nan travay y ap fè a. w18.03 31 § 15-16.

Madi 2 avril

Pitit mwen, montre w saj e fè kè m kontan, pou m ka reponn moun k ap pwovoke m nan. — Pwo. 27:11.

Tout timoun pa menm. Se pa tout timoun ki rive atenn matirite nan menm nivo oswa nan menm moman nan lavi a. Gen kèk ki rive gen bonjan matirite nan domèn mantal ak afektif depi yo toupiti e yo montre anvi yo genyen pou yo batize. Gen lòt ki gendwa tann yo gen plis laj pou yo batize. Se sa k fè, paran ki gen bon konprann yo pa fè presyon sou pitit yo pou yo batize. Olye de sa, yo ede chak timoun fè pwogrè nan domèn espirityèl toutpandan y ap veye fason y ap pwogrese. Paran yo ka kontan lè yon timoun reflechi sou konsèy nou jwenn nan tèks pou jounen an. Sepandan, yo pa dwe janm bliye objektif yo se ede pitit yo vin disip Kris. Lè paran yo gen sa nan lespri yo, y ap vle reflechi sou kesyon ki vin annapre a: ‘Èske pitit mwen an gen ase konesans pou l vwe Bondye lavi l epi pou l batize?’ w18.03 9 § 6.

Mèkredi 3 avril

Li kenbe pwomès li, menm lè sa koute l chè. — Sòm 15:4.

Si n aksepte yon envitasyon, nou pa dwe anile l pou ti krik ti krak. Moun ki envite n nan ka fè yon seri preparasyon, e l ka fè tout efò sa yo pou anyen si n anile envitasyon an (Mat. 5:37). Pafwa, gen kèk moun ki konn anile yon envitasyon yo te gentan resevwa yon fason pou yo ka aksepte yon lòt envitasyon ki sanble pi bon. Èske sa t ap montre n gen lanmou ak respè? Olye de sa, nou dwe aksepte envitasyon an e n dwe gen bonjan apresyasyon pou kèlkeswa sa moun ki envite n yo ofri n (Lik 10:7). Epitou, si ta gen kèk sitiyasyon nou vrèman pa ka evite ki ta fòse n anile envitasyon an, n ap montre n gen lanmou ak konsiderasyon pou moun ki envite n yo lè n fè yo konn sa byen vit. Anplis de sa, li enpòtan pou n respekte koutim moun nan zòn nan. Nan kèk kilti, moun yo kontan akeyi moun, menm lè yo pa t atann sa. Mete sou sa, nan kèk kilti, yo atann pou moun yo envite a refize premye envitasyon an oswa dezyèm nan avèk jantiyès. Gen lòt kote, lè yon moun refize yon envitasyon sa montre l pa apresye moun nan. Ann fè tout sa n kapab pou n fè moun ki envite n yo kontan dèske yo te fè sa. w18.03 18 § 20-21.

Jedi 4 avril

Fè efò pou nou vin gen matirite. — Ebre 6:1.

Nou bezwen sonje konesans nou gen sou Bib la pa sifi pou ede n vin moun ki fikse lespri n sou bagay espirityèl (1 Wa 4:29, 30; 11:4-6). Donk, anplis konesans nou bezwen gen sou Bib la, ki lòt bagay nou bezwen? Nou bezwen kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl (Kol. 2:6, 7). Youn nan etap ki enpòtan se etidye liv “Rete nan lanmou Bondye” a. Lè w fin etidye liv sa a sa ap ede w wè fason pou w aplike prensip biblik yo nan lavi w. Si w deja fin etidye liv sa a, èske w ka etidye lòt bagay ki ka ede w fè lafwa w vin stab (Kol. 1:23)? Èske w priye epi w medite sou fason w ka aplike sa w etidye a nan lavi w? Nou bezwen sonje lè n ap etidye ak lè n ap medite nou dwe fè sa nan objektif pou n vle fè Jewova plezi e pou n obeyi lwa l yo ak tout kè n (Sòm 40:8; 119:97). Anmenmtan tou, nou fè efò pou n rejte bagay k ap anpeche n fè pwogrè nan domèn espirityèl. — Tit 2:11, 12. w18.02 24-25 § 7-9.

Vandredi 5 avril

[Noye] te vin jwenn jistis moun benefisye grasa lafwa. — Ebre 11:7.

Pou n rive gen lafwa menm jan ak Noye, nou bezwen byen etidye Pawòl Bondye a, renmen sa n aprann yo, epi kite konesans sa a fòme n e kite l dirije n (1 Pyè 1:13-15). Konsa, lafwa nou vin genyen an ak sajès ki soti nan Bondye a ap pwoteje nou kont pyèj anba anba Satan mete yo e kont lespri monn nan ki mechan (2 Kor. 2:11). Lespri sa a ankouraje moun renmen vyolans ak imoralite. Epitou, li fè moun ret konsantre sou dezi lachè (1 Jan 2:15, 16). Li ka menm fè moun ki fèb nan domèn espirityèl yo vag sou prèv ki montre gran jou Bondye a toupre. N ap remake lè Jezi t ap konpare epòk nou an ak epòk Noye a, li pa t atire atansyon sou vyolans oswa imoralite ki te genyen, men sou danje ki genyen lè moun pa enterese nan bagay espirityèl (Mat. 24:36-39). Mande tèt ou: ‘Èske fason m ap viv montre m konn Jewova toutbon? Èske lafwa m genyen an pouse m nonsèlman pou m viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis, men tou, pou m fè lòt moun konn prensip sa yo?’ Nou swete pou repons ou bay yo montre ou menm tou w ap “mache avèk vrè Dye a”. — Jen. 6:9. w18.02 9-10 § 8-10.

Samdi 6 avril

Moun sa yo, evite yo. — 2 Tim. 3:5.

Nou pa ka evite moun ki gen pèsonalite ki pa fè Bondye plezi yo nèt. Nou gendwa oblije travay avèk yo, al lekòl avèk yo oswa viv avèk yo. Men, nou ka evite vin gen menm panse ak yo e n ka evite imite atitid yo. Nou fè sa lè n chèche vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye grasa etid nou fè nan Bib la ak lè n gen yon relasyon sere sere ak moun ki detèmine pou yo sèvi Jewova. Mete sou sa, nou ta dwe fè efò pou n ede lòt moun nan domèn espirityèl. Chèche jwenn okazyon pou n ba yo temwayaj, mande Jewova ede n di sa ki bon nan bon moman an. Nou dwe fè lòt moun konnen nou se Temwen Jewova. Lè n fè sa, bon konduit nou genyen ap fè Bondye jwenn glwa olye se nou menm ki jwenn glwa. Nou jwenn fòmasyon pou n “rejte konduit ki dezonore Bondye, pou nou rejte dezi ki nan monn nan, e pou nou viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a”. (Tit 2:11-14.) Si nou konpòte nou fason Bondye renmen an, lòt moun ap wè sa, e kèk nan yo ka menm di: “Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.” — Zak. 8:23. w18.01 31 § 17-18.

Dimanch 7 avril

Moun yo ap renmen pwòp tèt yo. — 2 Tim. 3:2.

Èske l mal pou n renmen tèt nou? Non, li nòmal e l menm nesesè pou n gen bonjan lanmou pou tèt nou. Jewova te kreye nou fason sa a. Men sa Jezi te di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” (Mak 12:31). Si n pa renmen tèt nou, nou pa ka renmen pwochen nou. Epitou, men sa nou li nan Ekriti yo: “Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. Yon gason ki renmen madanm li, se tèt li l renmen, paske, pa gen moun ki janm rayi pwòp kò l. Men, li nouri l e li ancheri l.” (Efe. 5:28, 29). Kidonk, li nòmal pou yon moun renmen tèt li yon fason ki rezonab. Lanmou yo pale de li nan 2 Timote 3:2 a se yon lanmou ki defòme e ki egoyis. Moun ki renmen tèt yo depase limit panse de tèt yo plis pase sa yo dwe panse (Wom. 12:3). Sèl bagay ki enterese yo nan lavi a se tèt yo. Yo pa bay lòt moun twòp atansyon. Lè bagay yo mal pase, yo gen tandans blame lòt moun olye yo aksepte responsablite yo. Moun egoyis sa yo pa kontan toutbon. w18.01 23 § 4-5.

Lendi 8 avril

Montre nou gen rekonesans. — Kol. 3:15.

Lè n fè etid pèsonèl se youn nan fason nou koute Jewova, men lapriyè se yon fason nou pale avè l. Yon kretyen pa dwe konsidere lapriyè kòm yon abitid ki sanzenpòtans oswa kòm yon ‘bagay ki bay chans’ pou l ogmante posiblite l genyen pou l reyisi nan yon seri bagay. Okontrè, lapriyè se yon mwayen pou n kominike toutbon ak Kreyatè nou an. Jewova vle tande nou (Fil. 4:6). Kèlkeswa tètchaje ou genyen, avèk sajès, Bib la ba w konsèy pou w “lage chay ou sou Jewova”. (Sòm 55:22.) Èske w kwè sa toutbon? Gen plizyè milyon frè ak sè ki ka ba w asirans sa te ede yo. Sa ka ede n tou! Lapriyè ba w opòtinite pou w fè plis pase annik mande Jewova èd. Pafwa, pwoblèm nou yo ka tèlman anvayi n sa fè n pa wè pakèt benediksyon n genyen yo. Poukisa w pa pran detèminasyon chak jou pou w reflechi ak omwen twa bagay ou kapab gen rekonesans pou yo? Apre sa, di Jewova mèsi nan lapriyè pou benediksyon sa yo. w17.12 25-26 § 10-11.

Madi 9 avril

Depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre. — 2 Tim. 3:15.

Gen plizyè milye etidyan Labib ki vwe Jewova lavi yo e ki batize. Anpil nan yo se jèn ki grandi nan laverite e ki chwazi pi bon fason pou moun viv la (Sòm 1:1-3). Si w se yon paran ki kretyen, sandout ou pa ka tann pou w wè jou kote pitit gason w oswa pitit fi w pral batize. (Konpare ak 3 Jan 4.) Antanke paran ki kretyen, ou vle pou pitit ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, e jodi a, sa gen ladan yo ni Liv ki te ekri ann ebre yo ni Liv ki te ekri an grèk yo. Selon kapasite timoun yo, menm sa ki pi piti yo ka jwenn yon ansèyman de baz sou moun ak evènman Bib la pale de yo. Òganizasyon Jewova a bay paran yo yon pakèt zouti yo kapab itilize pou ede pitit yo. Sonje sa, lè yon moun konnen Ekriti yo, se baz pou l vin gen yon relasyon solid ak Jewova. w17.12 18 § 1; 19 § 4.

Mèkredi 10 avril

Yon mari se chèf madanm li. — Efe. 5:23.

E si w se yon madanm ki santi mari w ki pa kwayan pa trete w jan l dwe fè sa? Si w fè kont avè l akoz konpòtman l, èske sa ap amelyore sitiyasyon an? Menmsi w ta reyisi fè l fè sa w vle a, èske sa ap fè w rale l vin nan laverite? Nou pa kwè sa. Men, si w demontre respè pou mari w antanke chèf ou, ou ka travay pou gen lapè nan fanmi an, w ap fè louwanj pou Jewova e w ka menm rale mari w vin nan vrè adorasyon an, konsa, nou toude ka jwenn rekonpans lan (1 Pyè 3:1, 2). E si w se yon mari ki santi madanm ou ki pa kwayan pa gen respè pou ou? Èske w ap pouse l demontre plis respè pou ou si w ap rele sou li pou w montre l kiyès ki chèf la? Non jamè! Bondye atann pou w egzèse otorite w antanke chèf avèk lanmou lè w imite Jezi. Jezi egzèse otorite l sou kongregasyon an avèk lanmou e avèk pasyans (Lik 9:46-48). Lè yon mari suiv egzanp Jezi, li ka rale madanm li vin nan vrè adorasyon an. w17.11 28-29 § 13-14.

Jedi 11 avril

Moun ki fè tout bagay se Bondye. — Ebre 3:4.

Panse monn nan pa bay enstriksyon Jewova yo enpòtans oswa l rabese yo, e enfliyans li ka febli lafwa n tikras pa tikras. Jodi a, panse monn nan ka gen efè sou nou tout. Moun fè pwomosyon pou li nan televizyon, sou Entènèt, nan travay oswa nan lekòl. Nan anpil peyi, byen souvan, nou konn tande kèk moun ki di yo pa kwè nan Bondye, e yo konsidere tèt yo kòm moun ki pa gen relijyon. Yo ka poko byen egzamine kesyon ki gen rapò ak egzistans Bondye, men, ide pou yo santi yo lib pou yo fè sa yo vle atire yo (Sòm 10:4). Gen lòt ki ka panse yo gen sajès monn nan lè yo di: “Mwen kapab gen bonjan prensip san m pa kwè nan Bondye.” Gen moun ki pa kwayan ki fè konnen pa gen Kreyatè. Èske sa yo di a baze sou yon rezònman ki lojik? Lè yon moun al chèche nan lasyans pou l konnen si se kreye yo te kreye lavi, moun sa a ka pèdi byen fasil nan yon pakèt enfòmasyon ki pa fin klè. Men, an reyalite, repons lan byen senp. Si yon kay bezwen yon moun pou konstwi l, alewè pou bagay ki gen lavi nan yo! w17.11 20-21 § 2-4.

Vandredi 12 avril

Jewova te bay lòd pou yo ekri non moun ki gen lakrentif pou li yo ak moun k ap reflechi sou non l yo nan yon liv devan l pou l sonje yo. — Mal. 3:16.

Fè yon ti reflechi ak enpòtans sa genyen lè n asiste Memoryal la. Sonje, reyinyon kongregasyon an fè pati adorasyon n ap bay Bondye a. Se sèten Jewova ak Jezi wè kiyès ki fè efò pou yo asiste reyinyon sa a ki pi enpòtan nan ane a. Sensèman, nou ta renmen yo wè n la nan Memoryal la depi n pa gen yon pwoblèm fizik oswa yon sikonstans ki fè l enposib pou n la. Lè n montre nan aksyon nou reyinyon nou fè pou n adore Bondye yo enpòtan pou nou, nou bay Jewova yon lòt rezon pou l konsève non nou nan “liv” li genyen pou l sonje n nan, sètadi “liv lavi a”, ki gen non moun ki pral gen lavi ki pap janm fini an (Rev. 20:15). Kèk jou anvan Memoryal la, nou ka rezève tan pou n priye e pou n byen egzamine relasyon nou gen ak Jewova a. — 2 Kor. 13:5. w18.01 13 § 4-5.

Samdi 13 avril

Moun ki touye moun nan dwe kouri al nan youn nan vil sa yo. — Joz. 20:4.

Yonfwa moun ki nan mawon an te anndan vil refij la, li te santi l delivre. Men sa Jewova te di anrapò ak vil sa yo: “Vil sa yo ap sèvi kòm refij pou [...] nou.” (Joz. 20:2, 3). Jewova pa t pèmèt yo jije yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa de fwa pou menm krim nan, ni l pa t pèmèt moun k ap tire revanj lan antre nan vil refij la pou l al touye moun ki nan mawon an. Konsa, moun ki nan mawon an pa t oblije pè pou yo pa tire revanj sou li. Pandan l anndan vil la, li te santi l delivre e l te an sekirite anba pwoteksyon Jewova. Se pa t nan prizon moun ki t al pran refij la te ye. Nan vil la, li te gen posiblite pou l travay, pou l ede lòt moun e pou l sèvi Jewova nan lapè. Wi, li te posib pou l viv ak kè kontan! Gen kèk moun pami pèp Bondye a ki te fè peche grav, men ki vin repanti, ki santi se kòmsi yo nan prizon paske yo santi yo koupab. Yo konn menm panse Jewova ap toujou wè yo kòm moun ki gen tras peche a sou yo. Si w santi w konsa, ou mèt gen asirans lè Jewova padone w, ou ka santi w an sekirite grasa mizèrikòd li fè w! w17.11 9 § 6; 11 § 13-14.

Dimanch 14 avril

Ala bon sa bon [...] lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm! — Sòm 133:1.

Nou ka kontribye pou n gen tèt ansanm lè n reflechi sou siyifikasyon pen an ak diven an nan Memoryal la. Anvan nuit espesyal sa a, e sitou pandan nuit sa a, byen reflechi sou siyifikasyon pen san ledven an ak diven wouj la (1 Kor. 11:23-25). Pen an reprezante kò Jezi ki san peche li te bay kòm sakrifis, e diven an reprezante san l ki te vèse a. Pa bliye sakrifis ranson Kris la se prèv de pi gwo lanmou ki egziste, anpalan de lanmou Jewova te demontre lè l te bay Pitit Gason l lan pou nou ansanm ak lanmou Jezi te demontre lè l te dispoze bay lavi l pou nou. Lè n reflechi sou lanmou yo demontre a, sa dwe pouse n renmen yo tou. Epitou, lanmou nou menm ak adoratè parèy nou yo gen pou Jewova a tankou yon kòd ki mare nou ansanm e ki fè n vin gen plis tèt ansanm. w18.01 14 § 11.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche: 9 Nizan) Matye 26:6-13

Lendi 15 avril

Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. — 1 Jan 4:9.

Jewova renmen lèzòm anpil e li ba yo anpil enpòtans. Li te dispoze sèvi ak san Pitit Gason l lan pou l pèmèt nou jwenn yon delivrans etènèl (Jan 3:16). Si Jewova pa ta reyalize pwomès li fè yo, Dyab la t ap jwenn yon eskiz pou l di Bondye se yon mantè ki anpeche moun jwenn sa ki bon, e konsa, fason l ap dirije a pa jis. Epitou, sa t ap bay opozan k ap moke nou yo rezon pou yo di: “Kote prezans li a li te pwomèt la? Anfèt, depi jou zansèt nou yo kòmanse dòmi nan lanmò, tout bagay rete egzakteman jan yo te ye depi nan kòmansman kreyasyon an.” (2 Pyè 3:3, 4). Pou rezon sa a, Jewova pral asire l kesyon ki gen rapò ak defann dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an gen ladan l delivrans moun ki obeyisan yo (Eza. 55:10, 11)! Mete sou sa, dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an baze sou lanmou. Se sa k fè n kapab gen asirans l ap toujou renmen sèvitè fidèl li yo. — Egz. 34:6. w17.06 23 § 7.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 9 Nizan an) Matye 21:1-11, 14-17

Madi 16 avril

[Bondye] te renmen nou e [li] te voye Pitit li a kòm yon sakrifis pou peche nou, yon sakrifis ki rekonsilye nou avèk li. — 1 Jan 4:10.

Depi menm moman Jewova te pwomèt l ap voye yon Sovè pou lèzòm nan, pou li menm se kòmsi sakrifis sa a te deja fèt. Konsa, anviwon 4 000 an annapre, Jewova te fè yon sakrifis ki te koute l anpil lè l te bay sèl Pitit Gason li fè a pou lèzòm (Jan 3:16). Nou gen Jewova anpil rekonesans pou lanmou san enterè li demontre pou nou! Nou gen kapasite pou n demontre lanmou san enterè paske Bondye te kreye n pòtre avè l. Abèl te montre l renmen Bondye lè l te ofri l sa l genyen ki pi bon an san se pa t yon enterè l t ap defann (Jen. 4:3, 4). Noye te demontre lanmou san enterè pou moun nan epòk li a lè l te preche mesaj Bondye a pandan plizyè dizèn ane malgre okenn moun pa t byen reyaji (2 Pyè 2:5). Abraram te met lanmou l gen pou Bondye a anvan santiman l lè Bondye te mande l sakrifye Izarak, pitit gason l (Jak 2:21). Menm jan ak gason fidèl sa yo, nou vle demontre lanmou malgre difikilte n ap rankontre. w17.10 7-8 § 3-4.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 10 Nizan an) Matye 21:18, 19; 21:12, 13; Jan 12:20-50

Mèkredi 17 avril

Nou pa gen yon gran prèt ki pa ka konprann feblès nou, men nou gen yon gran prèt ki te pase anba eprèv nan tout domèn, menm jan avèk nou, men ki san peche. — Ebre 4:15.

Travay Jezi ap fè antanke Gran Prèt nou an ban nou asirans “nou ka resevwa mizèrikòd e [...] nou ka jwenn favè san parèy la k ap ede nou nan bon moman”. (Ebre 4:16.) Kidonk, ou dwe gen lafwa nan sakrifis Jezi a. Ou dwe gen lafwa yo te bay ranson an pou ou (Gal. 2:20, 21). Ou dwe gen lafwa se sou baz ranson an Bondye ap padone peche w yo. Ou dwe gen lafwa ranson an pèmèt ou gen esperans pou w viv pou toutan. Sakrifis Jezi a se yon kado Jewova ba ou. E yonfwa Jewova fin padone peche nou yo, nou pa oblije pè pou l pa ap chèche yon rezon pou l retounen sou peche sa a ankò oswa pou l jije n pou li (Sòm 103:8-12). Wi, nou kapab gen yon konfyans total Jewova ap padone nou. w17.11 11-12 § 14-17.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 11 Nizan an) Matye 21:33-41; 22:15-22; 23:1-12; 24:1-3

Jedi 18 avril

Mwen [...] fè w demann [...] pou moun k ap mete lafwa nan mwen grasa sa y ap anseye, yon fason pou yo tout ka vin youn, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m. — Jan 17:20, 21.

Jou swa ki te gen premye Soupe Seyè a, Jezi te priye Jewova pou tout disip li yo vin fè youn e pou yo ka gen tèt ansanm menm jan avè l ak Papa l. Vrèmanvre, Jewova te reponn priyè sa a Pitit Gason li renmen anpil la te fè a, e kounye a gen plizyè milyon moun ki kwè Jewova te voye Pitit Gason l lan. Plis pase tout lòt reyinyon pèp Bondye a òganize, Memoryal la bay bonjan prèv ki montre Temwen Jewova yo gen tèt ansanm. Nan kèk zòn, moun yo pa abitye wè moun divès ras reyini ansanm pou yo adore Bondye oswa gen lòt moun ki konn meprize rasanbleman sa yo. Men, tèt ansanm nou genyen an bèl anpil nan je Jewova ak Jezi! Antanke pèp Jewova, nou pa sezi dèske n gen tèt ansanm. Anfèt, Jewova te deja predi sa. — Eze. 37:15-17; Zak. 8:23. w18.01 14 § 7-9.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 12 Nizan an) Matye 26:1-5, 14-16; Lik 22:1-6

Dat Memoryal la
Apre solèy la fin kouche
Vandredi 19 avril

Wòch moun k ap bati yo te jete a, se li menm ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an. — Sòm 118:22.

“Moun k ap bati yo”, sètadi chèf Juif yo, te rejte Mesi a. Fason yo te rejte Jezi a te ale pi lwen pase annik vire do ba li oswa refize aksepte l antanke Kris la. Gen anpil Juif ki te rejte l jiskaske yo te menm mande pou l mouri (Lik 23:18-23). Vrèmanvre, yo te patisipe nan lanmò Jezi. Si yo te rejte Jezi e yo te touye l, ki jan l t ap fè vin tounen “wòch prensipal ki nan kwen an”? Sa te ka rive fèt sèlman apre l te fin resisite. Apot Pyè te pale de “Jezi Kris, moun Nazarèt nou te kloure sou yon poto pou l mouri a, li menm Bondye te leve sot nan lanmò a.” (Tra. 3:15; 4:5-11; 1 Pyè 2:5-7). Konsa, Pitit Gason sa a ki te resisite te vin tounen sèl moun Bondye bay non l “pami lèzòm ki ka pèmèt nou sove”. — Tra. 4:12; Efe. 1:20. w17.12 9-10 § 6-9.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 13 Nizan an) Matye 26:17-19; Lik 22:7-13 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche: 14 Nizan) Matye 26:20-56

Samdi 20 avril

Kontinye anonse lanmò Seyè a jiskaske l vini. — 1 Kor. 11:26.

Men sa Jezi te di konsènan gwo tribilasyon ki gen pou rive sou nou an: “Yo pral wè Pitit lòm nan k ap vini sou nyaj nan syèl la avèk pisans e avèk anpil glwa. Epi, [Jezi] ap voye zanj li yo, e avèk yon gwo kout twonpèt, yo pral rasanble moun ki pou li yo, moun Bondye chwazi yo.” (Mat. 24:29-31). Rasanble “yo pral rasanble moun ki pou li yo” fè referans ak moman kote tout kretyen Bondye chwazi ki toujou sou tè a pral resevwa rekonpans yo nan syèl la. Sa ap fèt apre premye faz gwo tribilasyon an, men, anvan batay Amagedon an. Lè sa a, tout 144 000 moun yo pral met ansanm ak Jezi pou yo pot laviktwa sou wa latè yo (Rev. 17:12-14). Memoryal yo pral selebre anvan moman sa a kote yo pral rasanble moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo se pral dènye Memoryal la paske Jezi ap “vini” lè sa a. w18.01 16 § 15.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 14 Nizan an) Matye 27:1, 2, 27-37

Dimanch 21 avril

Bondye resisite Jezi sa a. — Tra. 2:32.

Nan syèl la, Jezi ap viv “pou tout tan gen tan” e li pap janm mouri (Rev. 1:5, 18; Wom. 6:9; Kol. 1:18; 1 Pyè 3:18). Li te bay apot fidèl li yo asirans yo t ap gen pou yo dirije avè l nan syèl la (Lik 22:28-30). Men sa Pòl te ekri: “Kris leve sot nan lanmò, li menm ki resisite an premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo.” Konsa, Pòl te montre t ap gen lòt moun k ap leve pou y al viv nan syèl la, e l te ajoute: “Chak moun nan pozisyon pa l: Kris an premye, apre sa, moun ki pou Kris yo, pandan prezans li.” (1 Kor. 15:20, 23). N ap viv pandan “prezans” Jezi depi ane 1914. Nou toujou nan moman prezans sa a e fen sistèm mechan sa a toupre rive kounye a. w17.12 10 § 11; 11 § 14-16.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 15 Nizan an) Matye 27:62-66 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche: 16 Nizan) Matye 28:2-4

Lendi 22 avril

Se mwen menm k ap konsole nou. — Eza. 51:12.

Papa nou an ki gen kè sansib te gen moun pa l ki mouri tou, pa egzanp Abraram, Izarak, Jakòb, Moyiz ak wa David (Nonb 12:6-8; Mat. 22:31, 32; Tra. 13:22). Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova pa ka tann oswa l gen gwo anvi pou l wè moman kote l pral fè moun sa yo retounen viv ankò (Jòb 14:14, 15). Yo pral viv ak kè kontan e yo pral gen bonjan sante. Fè yon ti reflechi tou ak jan Pitit Gason Bondye te renmen anpil la, sila a “ki te ba l plis kè kontan” an, te mouri nan gwo soufrans (Pwo. 8:22, 30). Pa gen mo ki ka esplike soufrans Jewova dwe te santi lè sa a (Jan 5:20; 10:17). Nou ka gen bonjan konfyans Jewova ap aji an favè n. Se sa k fè n pa dwe ezite ouvri kè n ba li nan lapriyè konsènan soufrans n ap andire yo. Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan lefètke n konnen Jewova konprann doulè nou e l ban nou konsolasyon nou tèlman bezwen an! — 2 Kor. 1:3, 4. w17.07 13 § 3-5.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 16 Nizan an) Matye 28:1, 5-15

Madi 23 avril

Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l. — Ebre 6:10.

Jodi a, gen plizyè milyon moun kè yo pouse yo bay sa yo genyen “ki gen valè”, tankou tan yo, fòs yo ak sa yo posede, pou ede nan travay k ap fèt nan gran tanp espirityèl Jewova a (Pwo. 3:9). Jewova pap janm bliye travay nou fè ak lanmou nou gen pou li. Tout bagay nou rive fè pou vrè adorasyon an nan dènye jou sa yo se prèv klè ki montre Jewova beni nou e Kris ap dirije nou. Nou fè pati yon òganizasyon ki stab, ki an sekirite e k ap la pou toutan. Ancheri plas ou genyen pami pèp Jewova a, epi pa sispann “fè tou sa [Jewova], Bondye nou an, ban nou lòd fè”. (Zak. 6:15.) Konsa, w ap ka rete anba pwoteksyon Wa nou an ki Gran Prèt tou. Fè tout sa w kapab pou w ede vrè adorasyon an ak tout kè w. Toutpandan w ap fè sa, ou kapab gen asirans Jewova, Chèf lame yo, ap fè w ret an sekirite e l ap pwoteje w pandan rès sistèm sa a e pou tout tan gen tan! w17.10 30 § 18-19.

Mèkredi 24 avril

Sèvi ak richès nou posede nan monn enjis sa a pou nou fè zanmi, dekwa pou lè richès sa yo disparèt, zanmi sa yo ka resevwa nou kote ki la pou toutan yo. — Lik 16:9.

Talè konsa, tout sistèm Satan an nèt ap disparèt, sa gen ladan l sistèm politik la, sistèm relijye a ak sistèm komèsyal la. Pwofèt Ezekyèl ak pwofèt Sofoni te fè konnen lò ak ajan, yon seri bagay ki gen anpil enpòtans nan monn komèsyal la depi plizyè syèk, ap vin san valè (Eze. 7:19; Sof. 1:18). Ki jan n t ap santi n si n ta rive nan fen lavi n e n ta rann nou kont nou te sakrifye vrè richès yo pou yon gwo depo “richès enjis” ki gen nan monn sa a? Nou te ka santi n menm jan ak yon moun ki pase tout vi l ap travay pou l gen yon mas kòb, annapre l aprann se fo lajan (Pwo. 18:11). Wi, richès sa yo pral disparèt alafen. Donk, pa rate posiblite n genyen pou n itilize yo pou n “fè zanmi” nan syèl la. Kèlkeswa sa n fè pou n fè enterè Wayòm Jewova a avanse, sa fè n vin rich nan domèn espirityèl. w17.07 11 § 16.

Jedi 25 avril

Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen, e se pou nou kontinye mache nan lanmou, menm jan Kris tou te renmen nou e li te bay tèt li pou nou. — Efe. 5:1, 2.

Gen kèk kretyen ki eseye kache yon peche grav yo te fè yon fason pou yo pa wont oswa pou yo pa desevwa lòt moun (Pwo. 28:13). Sepandan, yon konduit konsa pa demontre lanmou paske l ka fè ni moun ki peche a ni lòt moun mal. Sa ka anpeche lespri sen Bondye aji nan kongregasyon an e sa ka fè pa gen lapè nan kongregasyon an (Efe. 4:30). Vrè lanmou an pouse kretyen ki te fè peche yo pale ak ansyen yo pou ansyen yo ka ba yo èd ki nesesè (Jak 5:14, 15). Lanmou pi enpòtan pami tout lòt kalite yo (1 Kor. 13:13). Li idantifye nou antanke disip Jezi e antanke moun k ap imite Jewova, Sous lanmou an. Men sa Pòl te ekri: “Si [...] mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.” (1 Kor. 13:2). Kidonk, ann kontinye demontre lanmou, pa sèlman “nan bouch”, men nou dwe “aji avèk senserite pou nou montre sa”. — 1 Jan 3:18. w17.10 11 § 17-18.

Vandredi 26 avril

Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm. — Tra. 5:29.

Fè yon ti reflechi sou kouraj Jozèf te demontre lè madan Potifa te eseye fè l fè imoralite seksyèl. Sandout li te konnen li te ka sibi gwo konsekans si l pa t dakò kouche avè l. Malgre sa, li pa t lage ba li, li te mete kouraj sou li e l te aji (Jen. 39:10, 12). Rahab se yon lòt moun ki te demontre kouraj. Lè espyon izrayelit yo t al lakay Rahab nan Jeriko, Rahab te mete kouraj sou li pou l kache de mesye yo e pou l ede yo chape san anyen pa rive yo (Joz. 2:4, 5, 9, 12-16). Lè Sadiseyen yo te opoze ak apot Jezi ki te fidèl yo, ki te wè jan Jezi te demontre kouraj, yo pa t sispann sèvi ak non Jezi nan ansèyman yo t ap bay (Tra. 5:17, 18, 27-29). Jozèf, Rahab, Jezi ak apot yo te montre yo gen yon fòs ki te pouse yo fè bon bagay. Se pa twòp konfyans yo te gen nan tèt yo ki fè yo te gen kouraj. Men, se paske yo te konte sou Jewova. Nou menm tou, nou konn nan sitiyasyon ki mande pou n demontre kouraj. Olye nou konte sou tèt nou, nou dwe konte sou Jewova. — 2 Tim. 1:7. w17.09 29 § 6-9.

Samdi 27 avril

Retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo. — Kol. 3:9.

Yon moun pa kapab retire ansyen pèsonalite a ak pwòp fòs li. Byen souvan, moun ki rive fè sa yo te fè anpil efò pou yo rejte move abitid yo te genyen. Yo te rive pot laviktwa paske yo te ouvri kè yo ak lespri yo pou pisans ki nan Pawòl Bondye a ak lespri sen te ka aji nan yo (Lik 11:13; Ebre 4:12). Pou n ka jwenn byenfè grasa pisans sa a, nou dwe li Labib chak jou, medite sou li, epi priye toutan pou n ka gen sajès ak fòs pou n aplike konsèy ki nan Bib la (Joz. 1:8; Sòm 119:97; 1 Tes. 5:17). Nou jwenn byenfè tou nan Pawòl Bondye a ak nan lespri sen lè n prepare reyinyon yo ak lè n asiste yo (Ebre 10:24, 25). Anplis de sa, nou vle byen sèvi ak divès mwayen pèp Bondye a genyen ki disponib kounye a pou yo jwenn manje nan domèn espirityèl (Lik 12:42). Byenke kretyen yo dwe rejte ansyen pèsonalite a se pa sa sèlman Bondye mande n fè pou n ka gen apwobasyon l. Nou dwe abiye nou ak nouvo pèsonalite a tou. — Kol. 3:10. w17.08 21 § 16-17.

Dimanch 28 avril

Kanta pou mwen, mwen gen konfyans nan lanmou fidèl ou genyen an. Kè m ap kontan anpil poutèt sa w fè pou w bay delivrans yo. — Sòm 13:5.

Wa David te sibi anpil enjistis. Aktout Jewova te chwazi David depi l toupiti pou l vin wa ann Izrayèl, David te oblije ret tann anviwon 15 an anvan l te vin wa nan tribi pa l la (2 Sam. 2:3, 4). Pandan epòk sa a, wa Sayil ki pa t fidèl t ap kouri dèyè David, li t ap chèche touye l. Se sa k fè David te oblije viv nan mawon, pafwa l te konn al nan lòt peyi, e gen lòt lè, li te konn al kache nan gwòt ki nan dezè a. Menm lè Sayil te mouri finalman nan yon batay, David te oblije ret tann anviwon setan ankò anvan l te vin wa tout nasyon Izrayèl la (2 Sam. 5:4, 5). Poukisa David te dispoze ret tann avèk pasyans? Li te gen konfyans nan lanmou fidèl Jewova genyen an. Li t ap tann delivrans li ak kè kontan, e l te reflechi sou fason Jewova te toujou rekonpanse l (Sòm 13:6). Wi, David te wè sa te vo lapenn pou l ret tann. w17.08 6 § 14-15.

Lendi 29 avril

Bondye pa gen patipri. — Tra. 10:34.

Ofiramezi tan ap pase, lang yo gen tandans chanje. Mo yo ak ekspresyon yo ka vin gen yon sans ki diferan anpil. Se menm bagay la tou pou lang ebre ak lang grèk la, de lang yo te itilize pou ekri pifò nan Bib la. Lang ebre ak lang grèk yo pale nan epòk nou an pa menm ditou ak lang ebre ak lang grèk yo te pale nan tan biblik yo. Konsa, tout moun ki vle konprann Pawòl Bondye a dwe li tradiksyon l, e se menm bagay la tou pou moun ki konn lang ebre ak lang grèk yo pale nan epòk nou an. Gen kèk moun ki panse yo ta dwe konprann lang ebre ak lang grèk yo te pale nan tan lontan an pou yo ka li Bib la nan lang orijinal yo. Men, sa gendwa pa ede yo jan yo panse a. Erezman yo tradui Bib la oswa kèk pati nan Bib la nan prèske 3 000 lang kounye a. Sa klè, Jewova vle pou “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang” gen posiblite pou yo jwenn byenfè nan Pawòl li a (Rev. 14:6). Èske sa pa fè w anvi vin pi pwòch ak Bondye nou an ki gen lanmou e ki pa nan patipri? w17.09 19 § 4.

Madi 30 avril

Yon moun ki gen konesans kontwole sa l ap di, e yon moun ki gen bon konprann ap rete kalm. — Pwo. 17:27.

Si w gen fanmi w ki eskominye, ou ka bezwen kontwole santiman w yon fason pou w pa pran kontak ak yo san nesesite. Demontre metriz nan sitiyasyon sa yo ap pi fasil si n rann nou kont fason n reyaji a ann amoni ak egzanp Bondye bay e l ann amoni ak konsèy li. Nan Bib la, nou jwenn yon bèl egzanp konsènan wa David. Byenke l te gen anpil pouvwa, li pa t itilize l avèk kòlè lè Sayil ak Chimeyi t ap pwovoke l (1 Sam. 26:9-11; 2 Sam. 16:5-10). Sa pa vle di David te toujou metrize tèt li, paske, jan nou konn sa, li te fè peche ak Batcheba e l te vin an kòlè anpil okòmansman lè Nabal t ap fè peng (1 Sam. 25:10-13; 2 Sam. 11:2-4). Aktout sa, nou ka aprann bonjan leson nan egzanp David. Premyèman, moun ki pran latèt pami pèp Bondye a bezwen sitou veye pou yo demontre metriz yon fason pou yo pa mal sèvi ak otorite yo. Dezyèmman, pèsonn pa ka twò kwè nan tèt li pou l ta panse li pap tonbe nan tantasyon. — 1 Kor. 10:12. w17.09 5-6 § 12-13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje