Me
Mèkredi 1ye me
Kenbe disiplin, pinga w lage l. Konsève l, paske li se lavi w. — Pwo. 4:13.
Byenke disiplin ka fè moun soufri, gen yon bagay ki menm pi rèd pase l: se pwoblèm yon moun ka jwenn lè l pa aksepte disiplin (Ebre 12:11). Ann pran egzanp Kayen. Lè Kayen te vin rayi Abèl nan pwen pou l touye l, men ki konsèy Bondye te bay Kayen: “Poukisa w fache e figi w mare konsa? Si w vin fè sa ki byen, èske w pap gen favè m? Men, si w pa fè sa ki byen, peche kouche ap tann ou nan papòt la, e tout sa l vle se domine w. Men, èske w ap rive gen kontwòl li?” (Jen. 4:6, 7). Kayen pa t koute. Konsa, peche te anvayi l nèt. Se pa ti pwoblèm ak soufrans ki pa t nesesè Kayen te jwenn (Jen. 4:11, 12)! Doulè l t ap jwenn akoz reprimann Jewova te ba l la t ap pi dous pou li. Se pa ti vle Jewova vle anpeche n soufri san nesesite (Eza. 48:17, 18)! Kidonk, annou “koute lè y ap ban nou disiplin pou nou ka gen sajès”. — Pwo. 8:33. w18.03 32 § 18-20.
Jedi 2 me
Mwen menm, Dànyèl, mwen te li nan liv yo e mwen te vin konprann kantite ane [...] yo. — Dàn. 9:2.
Ki jan Dànyèl te fè konnen Jewova? Li klè, paran Dànyèl yo te ba l bon fòmasyon, yo te anseye l pou l renmen Jewova ak Pawòl Jewova te fè ekri a. Anplis de sa, Dànyèl te kontinye gen lanmou sa a pandan tout vi l. Menm lè l te vin granmoun anpil, li te toujou ap fouye nan Ekriti yo. Konesans pwofon Dànyèl te gen sou Bondye, sa ki gen ladan l fason Bondye te aji ak nasyon Izrayèl la, te parèt aklè nan priyè l te fè ak tout kè l pou l mande Bondye padon ki nan Dànyèl 9:3-19 la. Poukisa w pa pran yon ti tan pou w li priyè sa a e pou w medite sou li? Li te difisil anpil pou yon Juif ki fidèl te viv nan Babilòn, yon vil payen. Pa egzanp, men sa Jewova te di Juif yo: “Se pou nou travay pou gen lapè nan vil kote mwen voye nou ann egzil la.” (Jer. 29:7). Men, anmenmtan tou, li te mande pou se avè l sèlman yo atache (Egz. 34:14). Ki sa k te ede Dànyèl pou l respekte toude egzijans sa yo? Sajès Bondye bay la te ede l konprann prensip ki mande pou l soumèt devan otorite yo, depi sa yo mande a pa depaman ak sa Bondye mande. Plizyè syèk annapre, Jezi te anseye menm prensip sa a. — Lik 20:25. w18.02 10 § 11-12.
Vandredi 3 me
Mete yon mak sou fwon moun. — Eze. 9:4.
Èske w ap fè fas ak kèk eprèv, tankou pwoblèm sante, pwoblèm ekonomik oswa pèsekisyon? Èske pafwa w konn twouve l difisil pou w kontinye gen kè kontan nan sèvis Jewova a? Nan ka sa a, egzanp Noye, Dànyèl ak Jòb ap ba w kouraj. Mesye sa yo pa t pafè e yo te jwenn anpil nan difikilte nou genyen yo, san wete kèk difikilte ki te met lavi yo an danje. Poutan, yo te kenbe entegrite yo, konsa, yo vin yon modèl nan demontre lafwa ak obeyisans nan je Bondye (Eze. 14:12-14). Ezekyèl te ekri pawòl ki nan vèsè atik la baze sou li a nan peyi Babilòn nan ane 612 anvan epòk nou an (Eze. 1:1; 8:1). Jerizalèm aposta a te prèske detwi, jan yo te anonse sa, e sa te rive nan ane 607 anvan epòk nou an. Se yon ti ponyen moun sèlman ki te montre yo gen menm kalite Noye, Dànyèl ak Jòb te genyen yo, e konsa, yo te resevwa mak ki te pèmèt yo sove a (Eze. 9:1-5). Menm jan an tou jodi a, se sèlman moun Jewova konsidere ki san repwòch, moun ki tankou Noye, Dànyèl ak Jòb, k ap resevwa mak k ap pèmèt yo sove a lè sistèm ki la kounye a pral detwi. — Rev. 7:9, 14; w18.02 3-4 § 1-3.
Samdi 4 me
Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan. — Ekl. 12:1.
Antanke jèn, mande tèt ou: ‘Èske m patisipe nan aktivite espirityèl yo senpleman paske paran m atann pou m fè sa? Èske m vin pi pwòch ak Bondye lè m chèche gen yon relasyon pèsonèl avè l?’ Natirèlman, konsèy ki mande pou n gen objektif espirityèl yo pa pou jèn sèlman. Lè n gen objektif sa yo, sa ap ede nou tout antanke sèvitè Jewova vin pi djanm nan domèn espirityèl (Ekl. 12:13). Yonfwa nou fin wè nan ki domèn nou bezwen amelyore, nou bezwen suiv yon seri etap k ap ede n fè pwogrè. Li enpòtan anpil pou n gen bon relasyon ak Bondye. Anfèt, se yon kesyon ki gen rapò ak lavi oswa ak lanmò (Wom. 8:6-8). Sepandan, pou n vin gen matirite nan domèn espirityèl sa pa vle di nou dwe pafè. Lespri sen Jewova kapab ede n fè pwogrè nou bezwen yo. Aktout sa, nou bezwen fè efò. Byenke etid Labib kapab enteresan, nou pa dwe atann Bib la ap tankou yon liv istwa nou li jis pou n detann nou. Nou bezwen fè efò pou n chèche trezò espirityèl k ap ede nou. w18.02 25 § 10-11.
Dimanch 5 me
Poukisa w ap pèdi tan? Leve pou w al batize. — Tra. 22:16.
Yon moun pa oblije gen anpil konesans pou l vwe Bondye lavi l epi pou l batize. Tout disip ki fin batize dwe kontinye grandi nan konesans egzak la (Kol. 1:9, 10). Kidonk, ki kantite konesans yon moun dwe genyen anvan l batize? Eksperyans yon fanmi te fè nan premye syèk la ban nou kèk ide sou sijè a (Tra. 16:25-33). Pòl te vizite vil Filip ozanviwon ane 50 epòk nou an pandan l te nan dezyèm vwayaj misyonè l la. Pandan l nan vil la, yo te lage fo akizasyon sou do li menm ak Silas, konpayon vwayaj li, yo te arete yo e yo mete yo nan prizon. Pandan nuit lan, gen yon tranblemanntè ki te sekwe fondasyon prizon an e sa te lakòz tout pòt ouvri. Piske gadyen prizon an te panse prizonye yo sove, li t apral touye tèt li, men, Pòl te di l pa fè sa. Pòl ak Silas te bay gadyen prizon an ak fanmi l yon bon temwayaj. Ki etap apresyasyon yo te genyen pou verite yo t ap aprann konsènan Jezi a te pouse yo franchi? Yo te batize san pèdi tan. w18.03 10 § 7-8.
Lendi 6 me
Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la. — Sòm 144:15.
Jewova se yon Bondye ki gen kè kontan, e pèp li a reflete kalite sa a. Mete sou sa, kontrèman ak moun ki renmen pwòp tèt yo e ki renmen resevwa sèlman, sèvitè Jewova yo pran plezi bay tèt yo pou byennèt lòt moun (Tra. 20:35; 2 Tim. 3:2). Ki jan n ka rive wè si lanmou nou gen pou tèt nou an ap pran plas lanmou nou gen pou Bondye a? Reflechi sou konsèy ki nan Filipyen 2:3, 4 la ki di: “Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” Nou gendwa mande tèt nou: ‘Èske mwen suiv konsèy sa a nan lavi m? Èske m fè efò pou m ede lòt moun, kit se nan kongregasyon an kit se nan travay predikasyon an?’ Li pa toujou fasil pou n bay tan nou ak enèji nou. Sa mande efò ak sakrifis. Men, ki sa k te ka ban nou plis kè kontan pase lè n konnen nou gen apwobasyon Souvren linivè a? w18.01 23 § 6-7.
Madi 7 me
Kontinye verifye si nou nan lafwa. — 2 Kor. 13:5.
Pou n rive fè sa, l ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m kwè toutbon mwen fè pati sèl òganizasyon Jewova apwouve pou fè volonte l la? Èske m fè tout sa m kapab pou m preche e pou m anseye lòt moun bon nouvèl Wayòm nan? Èske fason m aji montre mwen kwè toutbon n ap viv nan dènye jou yo e dominasyon Satan an prèske rive nan bout li? Kounye a, èske m toujou gen menm konfyans m te gen nan Jewova ak Jezi lè m te vwe Jewova Dye lavi m nan?’ (Mat. 24:14; 2 Tim. 3:1; Ebre 3:14). Lè n reflechi sou repons kesyon sa yo sa ap ede n kontinye teste sa nou menm nou ye. Li sijè biblik ki pale sou siyifikasyon Memoryal la epi medite sou yo (Jan 3:16; 17:3). Sèl mwayen pou yon moun gen lavi ki pap janm fini an se lè l “aprann konnen” Jewova epi l ‘demontre lafwa’ nan Jezi, sèl Pitit Gason Li fè a. Pou w prepare w pou Memoryal la, li ta bon pou w chwazi etidye kèk sijè k ap ede w vin pi pwòch Jewova ak Jezi. w18.01 13 § 5-6.
Mèkredi 8 me
Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini. — Jan 6:44.
Lè w li Bib la ak piblikasyon yo e lè w al nan reyinyon, ou konn tande yon seri eksperyans ankourajan sou fason Bondye ede lòt moun rete fidèl. Men, tank relasyon w gen ak Jewova a ap vin pi sere, ou bezwen wè men Jewova nan lavi w. Ki jan ou menm ou te goute e w te wè jan Jewova bon? Gen yon sèl fason tout kretyen yo goute e yo wè jan Jewova bon. Se lè yo jwenn envitasyon pou yo pwoche bò kote Bondye ak Pitit Gason l lan. Yon jèn ta gendwa di: ‘Jewova te rale paran m yo vini, epi mwen annik suiv yo.’ Men, lè w te vwe Jewova lavi w e w te batize, ou te montre ou te vin gen yon relasyon espesyal avè l. Kounye a, li vrèman konnen w. Men asirans Bib la ban nou: “Si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen moun sa a.” (1 Kor. 8:3). Fè efò pou w toujou bay plas ou gen nan òganizasyon Jewova a anpil valè e pou w apresye l. w17.12 26 § 12-13.
Jedi 9 me
Jewova disipline moun li renmen. — Ebre 12:6.
Petèt mo “disiplin” nan ka fè w panse ak pinisyon byen vit, men, disiplin gen plis bagay ladan l toujou. Byen souvan, Bib la prezante disiplin kòm yon bon bagay, pafwa, li asosye l ak konesans, sajès, lanmou ak lavi (Pwo. 1:2-7; 4:11-13). Rezon an se paske disiplin Bondye bay la se yon prèv ki montre lanmou l gen pou nou ak anvi l genyen pou l ban nou lavi ki pap janm fini an (Ebre 12:6). Byenke disiplin Bondye bay la ka gen pinisyon, li pa janm gen enjistis oswa mechanste ladan l. Anfèt, premye sans mo “disiplin” nan gen ladan l fòmasyon, tankou fòmasyon yon moun bay yon timoun li renmen. Antanke moun ki nan kongregasyon kretyen an, nou fè pati fanmi Bondye (1 Tim. 3:15). Se sa k fè n respekte dwa Jewova genyen pou l fikse prensip pou n suiv e pou l disipline n avèk lanmou lè n pa suiv prensip sa yo. Anplis de sa, si aksyon nou yo lakòz nou sibi move konsekans, disiplin li bay la ka fè n sonje jis nan ki pwen l enpòtan pou n koute Papa nou ki nan syèl la. — Gal. 6:7. w18.03 23 § 1; 24 § 3.
Vandredi 10 me
Yon moun ki gen konesans kontwole sa l ap di, e yon moun ki gen bon konprann ap rete kalm. — Pwo. 17:27.
E si w se yon adolesan ki santi paran w ki kretyen pa byen konprann ou e yo anpeche w fè kèk bagay? Lefètke w fache, sa ka menm fè w gen dout sèvi Jewova se pi bon fason pou moun viv. Men, si w kite sa fè w sispann sèvi Jewova, ou pap pran tan pou w rann ou kont pa gen okenn lòt moun ki ka pi byen veye sou ou pase paran w yo ki gen lakrentif pou Bondye ansanm ak moun nan kongregasyon an. Si paran w pa janm disipline w, èske w pap mande tèt ou si yo gen sousi pou ou toutbonvre (Ebre 12:8)? Men, petèt se fason paran w disipline w la ki fè w fache. Olye w kouri pou fason y ap disipline w la, eseye konprann yo ka gen rezon ki fè yo aji konsa. Kidonk, rete kalm e fè tout sa w kapab pou w pa mal reyaji lè yo di w ou fè yon bagay ki pa bon. Fikse objektif pou w vin yon moun ki gen matirite ki ka ret kalm lè y ap ba w konsèy, ki chèche jwenn byenfè nan konsèy la san w pa bay tèt ou twòp pwoblèm pou fason yo ba w li a. — Pwo. 1:8. w17.11 29 § 16-17.
Samdi 11 me
Ou pèdi lanmou w te genyen okòmansman an. — Rev. 2:4.
Petèt ou konn kèk jèn ki batize, men annapre, yo vin gen dout sou sajès ki genyen lè yon moun viv selon prensip Bondye yo. Gen anpil nan yo ki menm kite chemen verite a. Konsa, ou ka pè pou pitit ou pa kòmanse suiv prensip kretyen yo e apre sa pou l chanje ide epi pou l pèdi lanmou l te gen pou laverite okòmansman an. Ki efò w ka fè pou sa pa rive pitit ou e pou w ede yo “grandi [...] pou delivrans lan”? (1 Pyè 2:2.) Nou jwenn repons lan nan sa Pòl te ekri Timote: “Rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo, piske w konnen nan men ki moun ou te aprann yo e se depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo [Liv ki te ekri ann ebre yo], ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre grasa lafwa nan Kris Jezi.” (2 Tim. 3:14, 15). N ap remake Pòl mansyone 1) konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, 2) yo te konvenk li pou l kwè sa l te aprann yo, epi 3) vin gen sajès k ap pèmèt li delivre grasa lafwa nan Kris Jezi. w17.12 18-19 § 2-3.
Dimanch 12 me
Sèvitè m yo ap rele tèlman y ap kontan, paske kè yo bon, men nou menm, n ap kriye akoz tristès nou gen nan kè nou. — Eza. 65:14.
Anpil relijyon fè moun vire do bay Bondye lè yo anseye dife lanfè, yo fè yo peye ladim, oswa yo preche yo bagay ki gen rapò ak politik. Nou pa sezi dèske toujou gen anpil moun ki panse yo ka gen kè kontan san yo pa bezwen relijyon! Se sèten yon moun ka gen kè kontan san fo relijyon, men, yon moun pa ka gen vrè kè kontan an si l pa gen yon relasyon ak Jewova, li menm Bib la fè konnen ki se “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Tim. 1:11.) Tout sa Bondye fè se pou byen nou. Sèvitè l yo gen kè kontan paske yo konsantre lavi yo nan ede lòt moun (Tra. 20:35). Pa egzanp, ann wè fason vrè adorasyon an ede moun gen kè kontan nan fanmi yo. Vrè adorasyon an anseye n pou n onore moun nou marye avè l la e pou n respekte l, pou n konsidere ve nou te fè lè n t ap marye a kòm yon bagay ki sakre, pou n pa fè adiltè, pou n aprann pitit nou respekte lòt moun, e pou n pratike vrè lanmou an. Konsa, adorasyon sa a fè moun gen tèt ansanm nan yon seri kongregasyon ki bay kè kontan e l fè yo fè pati yon kominote frè ak sè nan lemonnantye ki gen kè kontan. w17.11 21 § 6-7.
Lendi 13 me
Ala mizè pou mwen! — Wom. 7:24.
Menm jan ak apot Pòl, anpil nan sèvitè fidèl Bondye yo konn di pawòl sa yo. Nou tout ap soufri akoz peche nou eritye e lè fason n aji pa ann amoni ak gwo dezi n genyen pou n fè Jewova plezi, nou ka santi se yon mizè pou nou. Gen kèk kretyen ki te fè yon peche grav ki konn menm panse yo pap jwenn padon nan men Bondye. Sepandan, Ekriti yo ban nou asirans moun ki pran refij nan Jewova yo pa dwe kite santiman ki fè yo santi yo koupab pote yo ale (Sòm 34:22). Apre Pòl te fin esplike jan se yon mizè pou li lefètke l pa t rive obeyi Jewova yon fason ki pafè, li te di: “Mèsi Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an!” (Wom. 7:25). Vrèmanvre, aktout Pòl t ap lite kont peche e kont move aksyon l te konn fè anvan sa, yon seri bagay li te repanti pou yo, li te gen konfyans Bondye t ap padone l pa mwayen Jezi. Antanke moun ki peye ranson an pou nou, Jezi netwaye konsyans nou e l fè n santi n anpè (Ebre 9:13, 14). Antanke Gran Prèt, “li kapab sove [moun ki pwoche bò kot Bondye grasa li] yo totalman, paske l ap toujou vivan pou l sipliye pou yo”. — Ebre 7:24, 25. w17.11 8 § 1-2; 12 § 15.
Madi 14 me
Lè nou fè Jewova, Bondye nou an, pwomès, se pou nou kenbe yo. — Sòm 76:11.
Ki jan n ka respekte ve n te fè Bondye a? Pozisyon n pran lè n anba eprèv, kit yo piti kit yo gwo, dwe montre nou bay pwomès nou te fè pou n fè louwanj pou Jewova “chak jou” a anpil enpòtans (Sòm 61:8). Pa egzanp, lè yon moun nan travay nou oswa nan lekòl nou ap flète avè n, èske n konsidere sa kòm yon posiblite n genyen pou n “kontan mache nan chemen [Jewova] yo” lè n rejte avans sa yo (Pwo. 23:26)? Si moun lakay nou pa nan menm relijyon, èske n mande Jewova ede n kontinye viv antanke kretyen menm lè moun ki toutotou n yo pa fè efò sa a? Èske n priye Papa nou ki nan syèl la e ki renmen n nan chak jou, epi èske n di l mèsi paske l pèmèt nou viv anba dominasyon l lan e paske l gen lanmou pou nou? Èske n rezève tan pou n li Labib chak jou? Anfèt, èske n pa t pwomèt li n ap fè bagay sa yo? Se yon kesyon ki gen rapò ak obeyisans. Lè n fè tout sa n kapab nan adorasyon n ap bay Jewova a, nou montre nou renmen Jewova e nou vrèman ba l lavi nou. Adorasyon n ap bay Jewova a fè pati lavi nou, se pa yon bagay nou fè pou lafòm. w17.10 23 § 11-12.
Mèkredi 15 me
Li bon pou nou chante louwanj pou Bondye nou an. — Sòm 147:1.
Gen yon moun ki trè popilè antanke moun ki konn konpoze chante ki te di yon lè: “Pawòl fè w panse ak yon ide. Mizik fè w viv yon santiman. Men, yon chante fè w viv yon panse.” Ki pi bon panse nou ta ka santi n ap “viv” pase panse ki eksprime louwanj ak lanmou pou Jewova, Papa nou ki nan syèl la? Nou pa sezi dèske chante gen yon plas enpòtan nan vrè adorasyon an, kit se lè n ap chante poukont nou, kit se lè n ap chante ansanm ak pèp Bondye a nan kongregasyon an. Bon, ki jan w santi w anrapò ak chante awotvwa nan kongregasyon an? Èske w santi w jennen pou w fè sa? Nan kèk kilti, gason yo ka santi yo pa alèz pou yo chante an piblik. Pwennvi sa a ka gen efè sou tout kongregasyon an, sitou si moun ki pran latèt yo jwenn rezon pou yo pa chante oswa pou yo fè lòt aktivite pandan lòt moun nan kongregasyon an ap chante (Sòm 30:12). Si n vrèman konsidere chante kòm yon bagay ki fè pati vrè adorasyon an, se sèten nou pap plede ap mache oswa n pa la pandan pati sa a nan pwogram reyinyon an. w17.11 3 § 1-3.
Jedi 16 me
Pinga nou panse se lapè mwen vin met sou latè. Se pa lapè mwen vin mete, men se divizyon. — Mat. 10:34.
Nou tout vle viv anpè, san okenn tètchaje. Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova ban nou “lapè Bondye” a ki fè n santi n kalm e ki ka pwoteje n kont yon seri panse ak santiman k ap boulvèse nou (Flp. 4:6, 7)! Piske nou vwe Jewova lavi n, sa pèmèt nou fè “lapè ak Bondye”, sa vle di nou gen bon relasyon avè l (Wom. 5:1). Sepandan, lè pou Bondye met lapè total la poko rive. Dènye jou difisil sa yo chaje ak konfli, e gen anpil moun ki renmen fè kont (2 Tim. 3:1-4). Antanke kretyen, nou dwe mennen yon gè espirityèl kont Satan ak fo ansèyman l ap gaye yo (2 Kor. 10:4, 5). Men, se nan men moun ki pa kwayan nan fanmi nou nou ka jwenn pi gwo menas ki anpeche n gen lapè. Gen kèk nan yo ki gendwa pase n nan rizib akoz kwayans nou, yo ka akize n kòmkwa n ap divize fanmi an, oswa yo ka menase n y ap renye n si nou pa abandone lafwa nou. w17.10 12 § 1-2.
Vandredi 17 me
Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo! Mwen reflechi sou yo tout lajounen. — Sòm 119:97.
Chanjman k ap fèt ofiramezi nan lang yo gen rapò tou ak lang yo te tradui Bib la. Yon tradiksyon Labib ki te fasil pou konprann lè yo te fèk pibliye l gendwa vin pa gen menm efè a pi devan. Ann pran egzanp yon tradiksyon Labib ki te fèt nan lang anglè. Yo te pibliye tradiksyon Labib Wa Jak la (anglè) pou premye fwa an 1611. Li te vin tounen youn nan tradiksyon Bib anglè ki te pi popilè, e l te vin gen yon gwo enpak sou lang anglè a. Malgre sa, nan syèk ki pase yo, yo te sispann itilize pifò nan ekspresyon yo te sèvi nan tradiksyon Labib Wa Jak la. Se menm bagay la tou pou premye tradiksyon Labib yo te fè nan lòt lang. Kidonk, èske nou pa santi n rekonesan lefètke n gen Labib — Tradiksyon monn nouvo a, ki ekri nan lang yo pale kounye a? Tradiksyon sa a disponib ann antye oswa an pati nan plis pase 150 lang, konsa, li disponib pou yon gwo kantite moun jodi a. Ekspresyon klè ki ladan l yo pèmèt mesaj ki nan Pawòl Bondye a rive touche kè nou. w17.09 19 § 5-6.
Samdi 18 me
Pitit mwen, montre w saj e fè kè m kontan. — Pwo. 27:11.
Jèn kretyen yo gen desizyon enpòtan yo dwe pran poukont yo. Yo bezwen gen kouraj pou yo pran desizyon ki saj tankou chwazi zanmi k ap gen bon enfliyans sou yo, chwazi bonjan detant, rete pwòp nan domèn moral, e pou yo batize. Rezon an, se paske jèn sa yo aji yon fason ki kontrè ak volonte Satan, li menm k ap pwovoke Bondye. Youn nan desizyon enpòtan jèn yo dwe pran gen rapò ak objektif yo genyen. Nan kèk peyi, yo fè presyon sou jèn yo pou yo fikse objektif pou yo fè gwo etid e pou yo chèche gen gwo djòb. Gen lòt peyi kote sitiyasyon ekonomik yo konn fè jèn yo santi yo dwe konsantre yo sou pran swen fanmi yo nan domèn materyèl. Jewova ap beni jèn ki mete kouraj sou yo pou yo fikse objektif espirityèl e ki mete Wayòm nan an premye nan lavi yo. L ap ede yo pran swen fanmi yo. Nan premye syèk la, Timote, ki te yon jèn gason, te fikse objektif espirityèl, e w ka fè sa tou. — Flp. 2:19-22. w17.09 29-30 § 10-12.
Dimanch 19 me
Pawòl ki nan liv Lalwa a dwe toujou nan bouch ou [...] byen suiv tout sa ki ekri ladan l. Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès. — Joz. 1:8.
Bonjan etid pwofon kretyen yo fè nan Bib la ka ede yo demontre metriz. Ki jan? Nan Ekriti yo, nou jwenn yon pakèt istwa ki montre byen klè byenfè ak konsekans moun jwenn selon fason yo aji. Jewova te fè ekri istwa sa yo nan Bib la pou yon rezon (Wom. 15:4). Se pa ti saj n ap montre n saj lè n li yo, lè n medite sou yo e lè n etidye yo! Eseye chèche wè ki jan istwa sa yo aplike avè w ak fanmi w. Mande Jewova ede w obeyi Pawòl li a. Si w rann ou kont ou manke metriz nan kèk domèn, admèt sa. Annapre, priye sou sa epi fè efò pou w wè ki jan w ka amelyore (Jak 1:5). Sa klè, lè w fè rechèch nan piblikasyon nou yo, sa ka ede w jwenn enfòmasyon enpòtan k ap ede w plis toujou. w17.09 6 § 15-16.
Lendi 20 me
Abiye nou ak nouvo pèsonalite a. — Kol. 3:10.
“Nouvo pèsonalite a” fè referans ak yon pèsonalite ki te “kreye selon volonte Bondye”. (Efe. 4:24.) Li posib pou n vin gen yon nouvo pèsonalite konsa. Sa k fè sa? Se paske Jewova te kreye lèzòm pòtre avè l, e konsa, li vin posib pou n demontre bèl kalite li genyen yo (Jen. 1:26, 27; Efe. 5:1). Apre Pòl fin ankouraje n pou n abiye n ak nouvo pèsonalite a, li te montre youn nan aspè nan nouvo pèsonalite a se lè yon moun pa gen patipri. Men sa l te di: “Pa gen ni Grèk ni Juif, ni moun ki sikonsi ni moun ki pa sikonsi, ni etranje ni Sit, ni esklav ni moun ki lib.” Poukisa pa dwe gen distenksyon ki baze sou ras, nasyonalite oswa ran sosyal nan kongregasyon an? Se paske tout vrè disip Kris yo “fè yon sèl”. (Kol. 3:11; Gal. 3:28.) Moun ki abiye yo ak nouvo pèsonalite a trete kwayan parèy yo ansanm ak lòt moun ak diyite, kèlkeswa ran sosyal yo oswa ras yo. — Wom. 2:11. w17.08 22 § 1; 23 § 3-4.
Madi 21 me
Jewova ap tann avèk pasyans. — Eza. 30:18.
Jewova pa atann pou n fè yon bagay li menm li pa dispoze fè. Se li ki bay pi gwo egzanp nan kesyon dispoze ret tann nan (2 Pyè 3:9). Jewova gen plizyè milye ane depi l ap ret tann avèk pasyans pou kesyon ki te soulve nan jaden Edenn yo rive jwenn yon repons klè. Jewova “ap tann avèk pasyans” e l “kontinye ret tann” moman kote non l pral vin sen nèt. Sa pral pote yon seri benediksyon nou pa ka imajine pou moun ki gen “kè yo cho pandan y ap tann li”. (Eza. 30:18; nòt.) Jezi te dispoze ret tann tou. Aktout li te ret fidèl devan eprèv pandan l te sou tè a e l te prezante valè sakrifis ranson li an bay Jewova nan ane 33 epòk nou an, li te oblije ret tann pou l kòmanse dirije jis nan ane 1914 (Tra. 2:33-35; Ebre 10:12, 13). Se jis nan fen Rèy mil an an tout ènmi l yo pral detwi nèt (1 Kor. 15:25). Men, nou mèt gen asirans sa ap vo lapenn. w17.08 7 § 16-17.
Mèkredi 22 me
Bondye [...] konsole nou nan tout eprèv nou yo. — 2 Kor. 1:3, 4.
Men sa Susi te di: “Nou te santi yon gwo soufrans pandan prèske ennan apre lanmò pitit gason nou an.” Gen yon lòt kretyen ki fè konnen l “pa ka esplike doulè” l te santi apre madanm li te fin mouri bridsoukou. Malerezman, gen yon pakèt lòt moun nou pa ka konte ki viv kalite soufrans terib sa a. Anpil moun nan kongregasyon an ka pa atann moun pa yo ap mouri anvan Amagedon. Kit ou gen yon moun pa w ki mouri oswa w konn yon moun ki nan lapenn akoz moun pa l ki mouri, ou ka ap mande tèt ou: ‘Ki jan moun ki nan lapenn yo ka jwenn èd pou yo fè fas ak soufrans y ap andire yo?’ Petèt ou konn tande yo di pa gen anyen tan pa geri. Men, èske se vre tan ka geri yon kè ki fann? Men sa yon dam ki te gen mari l mouri fè konnen: “M vin rann mwen kont li pi bon pou m di se sa yon moun fè avèk tan l ki ede l geri.” Vrèmanvre, menm jan ak yon blese yon moun gen nan kò l, blese yon moun genyen nan domèn afektif ka geri tikras pa tikras tank tan ap pase si moun nan byen pran swen l. w17.07 12-13 § 1-3.
Jedi 23 me
Pran tout plezi w nan Jewova e l ap ba ou tout sa w swete nan kè w. — Sòm 37:4.
Ki planifikasyon Jewova mande w fè? Li te kreye lèzòm pou yo gen kè kontan lè yo aprann konnen l ak lè yo sèvi l fidèlman (Sòm 128:1; Mat. 5:3). Se pa menm bagay ditou konsènan bèt yo li te kreye ki annik kontante yo manje, bwè epi fè pitit. Bondye vle w gen kè kontan lè w planifye pou w fè yon seri bagay ki pa menm ak sa ki satisfè bèt yo. Kreyatè w la se “Bondye lanmou an”, li se “Bondye ki gen kè kontan an”, Bondye ki te kreye lòm “pòtre ak li” a (2 Kor. 13:11; 1 Tim. 1:11; Jen. 1:27). W ap gen kè kontan lè w imite Bondye nou an ki gen lanmou. Èske w pa janm viv verite ki gen nan vèsè ki vin annapre a ki di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Tra. 20:35)? Pawòl sa a se yon verite fondamantal nan lavi lèzòm. Kidonk, Jewova vle pou sa w planifye yo konsantre sitou sou demontre lanmou pou Li ak pou lòt moun. — Mat. 22:36-39. w17.07 23 § 3.
Vandredi 24 me
Jewova pap refize bay moun ki mache dwat yo okenn bon bagay. — Sòm 84:11.
Bondye aji ak moun k ap sèvi l yo avèk diyite e avèk respè. Li pran swen nou pi byen pase fason nou kapab pran swen tèt nou. Jewova pa enterese sèlman nan pèp li a antanke gwoup. Li montre bonjan enterè pou chak moun tou. Pa egzanp, ann konsidere twa syèk kote Jewova t ap nome jij e l te ba yo pouvwa pou yo delivre nasyon Izrayèl la anba men moun ki t ap toupizi yo. Pandan peryòd boulvès sa a, li te remake yon dam ki pa t Izrayelit ki te rele Rit. Dam sa a te fè gwo sakrifis pou l te ka vin nan vrè adorasyon an. Jewova te beni Rit lè l te pèmèt li gen yon mari ak yon pitit gason. Men se pa sa sèlman. Lè l resisite Rit, Rit pral aprann pitit gason l lan te fè pati liy fanmi kote Mesi a te soti. Epi, imajine jan sa pral touche l lè l pral aprann Bondye te fè yo prezève istwa lavi l nan yon liv nan Bib la ki pote non l! — Rit 4:13; Mat. 1:5, 16. w17.06 28-29 § 8-9.
Samdi 25 me
Lespri sen [...] ap fè nou sonje tout bagay mwen te di nou yo. — Jan 14:26.
An 1970, gen yon frè ki te rele Peter ki te gen 19 an e ki te fèk kòmanse sèvi nan Betèl Grann Bretay la. Pandan l t ap preche kay an kay, li te rankontre yon mesye ki nan senkantèn li e ki plen bab. Peter te mande mesye a si l ta renmen konprann Labib. Mesye a te yon ti jan sezi epi l te di Peter kay sa a se yon kay raben juif. Pou raben an teste Peter, li te mande l: “Donk, pitit gason m, nan ki lang liv Dànyèl la te ekri?” Peter te reponn: “Gen yon pati ki te ekri ann arameyen.” Men sa Peter sonje: “Raben an te sezi dèske m te konn repons lan, men, li pa t pi sezi pase m! Ki jan m te fè konn repons lan? Lè m te rive lakay mwen e m te fouye nan kèk Toudegad ak kèk Reveye n! ki te pase deja, mwen te jwenn yon atik ki esplike liv Dànyèl la te ekri ann arameyen.” (Dàn. 2:4, nòt). Vrèmanvre, lespri sen ka fè n sonje yon seri bagay nou te li deja. — Lik 12:11, 12; 21:13-15. w17.06 13 § 17.
Dimanch 26 me
Moun ki marye yo ap jwenn tribilasyon nan lavi yo. — 1 Kor. 7:28.
Byen souvan, gen lòt pwoblèm ki konn rive apre yon madanm fin di mari l: “Nou pral gen yon bebe.” An jeneral, kè kontan moun ki marye yo konn genyen lè yo aprann yo pral gen yon timoun konn mache ak kèk enkyetid anrapò ak pwoblèm sante ki ka rive pandan gwosès la oswa apre. Epitou, yo dwe konsidere enpak sa pral gen sou yo nan domèn ekonomik, kit se tousuit, kit se alavni. Lè tibebe a fèt, li konn vin nesesè pou yo fè plis ajisteman. Manman an ka pase tout tan l ap pran swen pitit li, e li ka ba l tout atansyon l. Mari a ka santi madanm li abandone l paske madanm nan okipe nan pran swen tibebe a. Yon lòt bò, yon moun ki fèk papa vin gen lòt responsablite sou do l. Travay li vin ogmante paske l vin gen yon lòt moun nan fanmi an pou l pran swen e pou l ba l sa l gen bezwen. Yon lòt kalite tribilasyon kèk moun marye konn rankontre se lè yo vle gen pitit ak tout fòs, men yo pa ka genyen. Lè madanm nan pa ka ansent, sa ka ba l anpil pwoblèm. w17.06 4 § 1; 5 § 5-6.
Lendi 27 me
Ala dous sa w di yo dous nan bouch mwen! Yo pi dous pase siwo myèl. — Sòm 119:103.
Antanke kretyen, nou renmen laverite anpil e nou aksepte l. Pawòl Bondye a se prensipal sous laverite. Men sa Jezi te di pandan l t ap priye Papa l: “Pawòl ou se laverite.” (Jan 17:17). Kidonk, nou kòmanse gen lanmou pou laverite lè n chèche gen yon konesans egzak sou Pawòl Bondye a (Kol. 1:10). Men, sa mande plis pase annik gen yon konesans entèlektyèl. Gade ki jan moun Bondye te enspire pou ekri Sòm 119 la ede n konprann ki sa renmen verite ki nan Bib la vle di (Sòm 119:97-100). Èske n konn pran tan pou n reflechi oswa pou n medite sou kèk vèsè nan Bib la pandan jounen an? N ap vin pi renmen verite ki nan Bib la lè n medite sou fason n ap jwenn byenfè lè n aplike l nan lavi nou. Epitou, nou kapab pran gou bon manje espirityèl ki baze sou Bib la òganizasyon Bondye a ban nou. Nan yon sans senbolik, nou kapab kite l fè yon bon ti tan nan bouch nou yon fason pou n ka sonje “bèl pawòl” verite a e pou n ka itilize l pou n ede lòt moun. — Ekl. 12:10. w17.05 19-20 § 11-12.
Madi 28 me
Bondye vrèman pami nou. — 1 Kor. 14:25.
Menm jan ak bon Samariten an ki nan egzanp Jezi te bay la, nou vle ede moun k ap soufri yo, san wete moun ki pa Temwen yo (Lik 10:33-37). Pi bon fason pou n fè sa se lè n ba yo bon nouvèl la. Men sa yon ansyen ki ede anpil refijye fè konnen: “Li enpòtan pou n fè yo konnen tousuit nou se Temwen Jewova epi prensipal objektif nou se ede yo nan domèn espirityèl, se pa nan domèn materyèl. Si n pa fè sa, gen kèk nan yo ki ka vin nan reyinyon pou avantaj sèlman.” Lè n demontre lanmou pou “moun k ap viv kòm etranje” yo, sa bay bon rezilta (Sòm 146:9). Gen yon sè ki te fè konnen fanmi l te kouri kite peyi Eritre akoz pèsekisyon. Apre kat nan pitit li yo te fin fè yon vwayaj ki fatigan ki te dire uit jou nan yon dezè, yo te rive nan peyi Soudan. Men sa sè a di: “Frè nan peyi Soudan yo te trete yo kòmsi yo te fanmi pwòch yo, yo te ba yo manje, rad, kote pou yo rete ak kòb pou yo peye transpò. Ki lòt moun ki t ap akeyi etranje lakay yo senpleman paske y ap adore menm Dye? Se sèlman Temwen Jewova yo!” — Jan 13:35. w17.05 7 § 17, 19-20.
Mèkredi 29 me
Nou pa t di laverite sou mwen, jan Jòb, sèvitè m nan, te fè a. — Jòb 42:8.
“Èske yon moun ka itil Bondye yon bagay? Èske yon moun ki entèlijan ka fè yon bagay pou Bondye? Ki enpòtans sa gen pou Toupisan an lefètke w jis? Ki sa sa fè pou li lè w mache fidèl?” (Jòb 22:1-3). Èske w janm mande tèt ou ki repons kesyon sa yo? Lè Elifaz, moun Teman an, te poze Jòb kesyon sa yo pou premye fwa, se sèten Elifaz te kwè repons lan se non. Bildad, moun Chouwa a ki te zanmi l, te menm fè konprann li enposib pou Bondye wè lèzòm kòm moun ki jis (Jòb 25:4). Twa fo konsolatè sa yo te fè konnen efò nou fè pou n sèvi Jewova fidèlman pa gen okenn valè pou Jewova, e Bondye pa ban nou plis valè pase yon mit, yon vè oubyen yon vètè (Jòb 4:19; 25:6). Jewova te fè konnen sa l panse lè l te reprimande Elifaz, Bildad ak Sofa poutèt yo te bay manti, men li te pran plezi nan Jòb e l te pale de li antanke “sèvitè m nan”. (Jòb 42:7.) Donk, li klè, yon moun ka “itil Bondye yon bagay”. w17.04 28 § 1-2.
Jedi 30 me
Y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total. — Sòm 37:11.
Moun k ap viv toupre yon estasyon machin ki chaje aktivite ka vin pa remake bri ki genyen an ankò, e moun k ap viv toupre yon kote yo jete fatra ka pa pran sant fatra yo ankò. Se menm jan an tou, nou tèlman gen lontan depi n ap viv nan vye monn sa a, sa ka fè n sispann wè jan sitiyasyon ki gen nan monn nan fè n strese anpil. Men, lè tout bagay negatif sa yo pa la ankò, se pa ti soulajman nou pral jwenn! Ki sa k pral ranplase tout strès nou gen jodi a? Nou jwenn repons lan nan tèks pou jounen an: Èske pawòl sa yo pa touche kè w? Se sa Jewova ta renmen pou ou. Kidonk, fè tout sa w kapab pou w ret pwòch ak Jewova Dye ansanm ak òganizasyon l lan pandan dènye jou sa yo ki bay anpil tètchaje! Bay esperans ou genyen an anpil valè, byen reflechi sou li, fè l vin reyèl nan lespri w ak nan kè w, epi pataje l ak lòt moun ak tout kè w (1 Tim. 4:15, 16; 1 Pyè 3:15)! Konsa, ou kapab gen asirans ou pap pase ansanm ak vye monn sa a ki kondane a. Okontrè, w ap rete, w ap vivan e w ap gen kè kontan pou tout tan gen tan! w17.04 13 § 16-17.
Vandredi 31 me
Nou tout nou fè erè tanzantan. — Jak 3:2, nòt.
Petèt, nou aksepte verite sa a san pwoblèm, men, sa ka yon eprèv lè enpèfeksyon yon frè gen efè sou nou. Nan yon ka konsa, èske n ap imite jistis Jewova? Pa egzanp, ki jan w ap reyaji si yon ansyen fè yon remak ki ta montre li gen ti prejije lakay li? Si yon ansyen di yon pawòl san reflechi e sa fè w fache oubyen sa fè w mal, èske w ap kite sa fè w bite? Olye w kouri panse frè sa a pa kalifye pou l sèvi kòm ansyen ankò, èske w ap gen pasyans pou w tann Jezi, chèf kongregasyon an, ranje sa? Èske w ap fè efò pou w wè pi lwen pase sa, petèt lè w reflechi ak pakèt ane frè a genyen depi l ap sèvi Bondye fidèlman? Si yon frè ki peche kont ou ta kontinye sèvi kòm ansyen oubyen li ta menm jwenn lòt privilèj, èske w ap rejwi avè l? Lè w dispoze padone, sa ka montre aklè w ap imite jistis Jewova. — Mat. 6:14, 15. w17.04 27 § 18.