Jen
Samdi 1ye jen
Bondye se lanmou. — 1 Jan 4:16.
Lanmou pouse Jewova korije nou, li anseye n epi l fòme n yon fason pou n ka rete nan lanmou l e pou n ret sou wout lavi a. Sepandan, pafwa, disiplin ka gen ladan l plis pase bay konsèy oswa koreksyon nan bouch. Si yon moun fè peche ki grav, sa ka fè l pèdi privilèj li nan kongregasyon an. Menm nan ka sa a, yon disiplin konsa montre lanmou Bondye gen pou nou. Pa egzanp, lè yon moun pèdi privilèj li te genyen, sa ka ede l rann li kont jan sa enpòtan pou l konsantre l plis toujou sou etid pèsonèl li fè nan Bib la, sou meditasyon ak lapriyè. Konsa, sa ka fè l vin djanm nan domèn espirityèl (Sòm 19:7). Rive yon lè, li ka vin gen privilèj ankò. Menm lè yo eskominye yon moun, sa montre lanmou Jewova genyen, paske sa pwoteje kongregasyon an kont move enfliyans (1 Kor. 5:6, 7, 11). Epitou, piske Bondye disipline moun nan degre yo merite, lè yo eskominye yon moun, sa ka fè l wè jan peche l fè a grav e sa ka pouse l repanti. — Tra. 3:19. w18.03 24 § 5-6.
Dimanch 2 jen
Li menm ak tout moun lakay li batize san pèdi tan. — Tra. 16:33.
Gadyen prizon an pa t konn Ekriti yo. Donk, pou l te vin gen yon fondasyon solid sou konesans ki nan Ekriti yo, li te bezwen aprann verite fondamantal ki nan Bib la, li te bezwen konprann sa sa vle di pou yon moun vin yon sèvitè Bondye e l te dwe detèmine pou l obeyi ansèyman Jezi yo. Nan yon ti tan ki tou kout, konesans de baz li te vin genyen sou verite ki nan Ekriti yo ansanm ak lanmou l te genyen pou verite sa yo te pouse l batize (Tra. 16:25-33). Se sèten l te kontinye ajoute sou konesans li te genyen an apre l fin batize. Toutpandan n ap reflechi ak egzanp sa a, ki sa n ka fè lè pitit nou montre yo vrèman renmen ansèyman de baz ki nan Ekriti yo, sa ki gen ladan l siyifikasyon ak enpòtans ve ak batèm? Antanke paran ki kretyen, nou ka di l li ka al kot ansyen yo nan kongregasyon an pou yo wè si l kalifye pou l batize. Menm jan ak lòt disip ki batize yo, l ap kontinye vin gen plis konesans sou objektif Jewova pandan tout vi l, oswa menm pou tout letènite. — Wom. 11:33, 34. w18.03 10 § 8-9.
Lendi 3 jen
Gen menm mantalite Kris Jezi te genyen an. — Wom. 15:5.
Pandan n ap fè efò pou n fè pwogrè nan domèn espirityèl, lespri sen ap ban nou pisans pou n chanje fason n panse. Grasa èd lespri sen, tikras pa tikras nou ka aprann reflechi menm jan ak Kris pi plis toujou. Mete sou sa, l ap ede n derasinen dezi lachè yo e l ap ede n vin gen kalite ki fè Bondye plezi yo. Lè n panse menm jan ak Kris, sa ap gen efè sou pawòl nou, konpòtman n gen nan travay nou oswa nan lekòl nou ak desizyon n ap pran chak jou. Desizyon sa yo ap montre nou fè tout sa n kapab pou n imite Kris. Antanke moun ki kite lespri Bondye gide n, nou pa vle anyen anpeche n gen bon relasyon ak Papa nou ki nan syèl la. Antanke moun k ap imite Kris, lè n jwenn tantasyon, sa ap pouse n reziste devan yo. Lè n ap pran desizyon, n ap pran tan pou n reflechi sou kesyon ki vin annapre yo: ‘Ki prensip nan Bib la k ap ede m pran yon desizyon? Ki sa Kris t ap fè nan sitiyasyon sa a? Ki desizyon k ap fè Jewova plezi?’ w18.02 25 § 12; 26 § 14.
Madi 4 jen
Noye te gen favè Jewova. — Jen. 6:8.
Rive nan epòk Enòk, ki te gran gran papa Noye, moun yo pa t gen okenn respè pou Bondye. Yo te menm konn di “bagay chokan” sou Jewova (Jid 14, 15). De jou an jou te vin gen plis vyolans. Anfèt, nan epòk Noye a, “tè a te chaje ak vyolans”. Gen zanj mechan ki te pran fòm kò moun ki te marye ak kèk medam e ki te fè yon seri pitit ki te brital, ki pa t nòmal (Jen. 6:2-4, 11, 12). Men, Noye pa t menm moun avè yo. “Li te yon moun ki te san repwòch pami moun ki t ap viv nan epòk li a. Noye t ap mache avèk vrè Dye a.” (Jen. 6:8, 9). Ann egzamine sa pawòl sa yo fè konnen konsènan mesye sa a ki te jis. Toudabò, Noye pa t mache avèk Bondye nan monn ki te chaje ak mechanste anvan delij la pandan sèlman 70 an oswa 80 an, kantite tan anpil moun viv jodi a. Noye te viv nan monn sa a pandan prèske 600 an (Jen. 7:11)! Epitou, kontrèman ak nou menm jodi a, li pa t gen yon kongregasyon ki te gen moun ki t ap adore Bondye menm jan avè l kote l t ap ka jwenn èd nan domèn espirityèl. Sa klè, menm frè l ak sè l yo pa t ede l. w18.02 4 § 4-5.
Mèkredi 5 jen
Moun yo ap [...] renmen lajan. — 2 Tim. 3:2.
Moun ki renmen lajan, ap fè tout sa yo kapab pou yo ranmase lajan, y ap rale “anpil soufrans” sou tèt yo (1 Tim. 6:10; Ekl. 5:10). Nòmalman, nou tout bezwen lajan. Nan yon sans, li bay pwoteksyon (Ekl. 7:12). Men, èske yon moun ka gen kè kontan toutbon si se sèlman sa l bezwen pou l viv li genyen? Wi (Ekl. 5:12)! Men sa Agou ki te pitit gason Jake te ekri: “Pa fè m ni pòv ni rich. Annik kite m jwenn kantite manje mwen bezwen pou m manje.” Li fasil pou n konprann rezon ki fè l pa t vle pòv depase limit. Jan l te esplike sa, li pa t vle gen tantasyon pou l vòlè paske sa t ap dezonore Bondye. Men, poukisa l te priye Bondye pou l pa t gen richès? Men sa l te ekri: “Konsa, vant mwen pap vin plen e mwen pap nye w pou m ta di: ‘Kiyès ki Jewova a?’” (Pwo. 30:8, 9). Men sa Jezi te di: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” — Mat. 6:24. w18.01 24 § 9-11.
Jedi 6 jen
Se konsa Papa m ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou. — Mat. 18:35.
Nou kontribye pou n gen tèt ansanm lè n padone lòt moun ak tout kè nou. Lè n padone moun ki te ofanse nou, nou montre nou apresye dispozisyon Bondye pran pou l padone peche n yo sou baz sakrifis ranson Kris la. Ann konsidere egzanp Jezi te bay nou jwenn nan Matye 18:23-34 la. Mande tèt ou: ‘Èske m chofe pou m aplike sa Jezi te anseye yo? Èske m pran pasyans ak kretyen parèy mwen yo e m montre m konprann yo? Èske m dispoze padone moun ki te peche kont mwen?’ Se vre gen peche ki pi grav pase lòt e gen kèk bagay moun fè ki vrèman difisil pou yon moun enpafè padone. Men, egzanp sa a aprann nou sa Jewova atann de nou. Jezi montre byen klè Jewova pap padone nou si n pa padone frè nou yo lè n gen yon rezon solid pou n fè sa. Pawòl sa a fè n reflechi! Nou pwoteje inite nou an ki gen anpil valè e n konsève l lè n padone lòt moun jan Jezi te anseye nou sa. w18.01 15 § 12.
Vandredi 7 jen
Nenpòt moun ki priye yon dye oswa yon lòt moun apa ou menm, pandan 30 jou, o monwa, yo dwe lage l nan twou lyon an. — Dàn. 6:7.
Aktout se te yon risk pou lavi l, Dànyèl te pran desizyon pou l pa menm bay enpresyon l ap fè konpwomi ak adorasyon l t ap bay Bondye a. Jewova te beni desizyon Dànyèl te pran an, yon desizyon l te pran ak konsyans li e avèk kouraj, lè l te fè yon mirak pou l sove l anba yon lanmò terib. Anfèt, sa k te rive a te bay yon gwo temwayaj pou Jewova, yon temwayaj ki te gaye rive jis nan pati ki pi lwen nan Anpi Medi ak Pès la (Dàn. 6:25-27)! Ki jan nou ka vin gen lafwa menm jan ak Dànyèl? Pou n vin gen yon lafwa ki solid, nou pa dwe annik li Pawòl Bondye a, nou bezwen “konprann sans li” tou (Mat. 13:23). Nou vle konn panse Jewova sou bagay yo, sa ki gen ladan l chèche konprann prensip ki nan Bib la. Pou rezon sa a, nou bezwen medite sou sa n li. Mete sou sa, li enpòtan pou n priye ak tout kè n regilyèman, sitou lè n ap fè fas ak eprèv oswa ak lòt sitiyasyon ki difisil. Lè n priye ak lafwa pou n jwenn sajès ak fòs, Jewova ap kontan ban nou yo. — Jak 1:5. w18.02 10-11 § 13-15.
Samdi 8 jen
Goute e n a wè jan Jewova bon. — Sòm 34:8.
Antanke sèvitè Jewova batize, menmsi w jèn, ou ka goute pou w wè jan Jewova bon lè w wè jan l soutni w pandan w ap pataje kwayans ou ak lòt moun. Ou ka fè sa ni nan travay predikasyon an ni nan lekòl ou. Gen kèk moun ki twouve l difisil pou yo preche kamarad lekòl yo. Petèt ou ka konprann rezon ki fè sa. Ou pa gen okenn ide sou jan yo pral reyaji. Li ka pi difisil lè w ap pale ak yon gwoup moun pase lè w ap pale ak yon sèl elèv nan klas la. Ki sa k ka ede w? Reflechi toudabò sou rezon ki fè w gen konviksyon nan sa w kwè yo. Èske gid pou etid ki sou sit jw.org la disponib nan lang ou pale a? Si w pa sèten, pran tan pou w chèche yo. Yo fè yo pou ede w reflechi sou sa w kwè yo, rezon ki fè w kwè ladan yo e ki jan w ka esplike lòt moun sa w kwè yo. Lè w gen yon konviksyon ki solid e w byen prepare, w ap santi w anvi bay temwayaj pou non Jewova. — Jer. 20:8, 9. w17.12 26 § 12, 14-15.
Dimanch 9 jen
Rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo. — 2 Tim. 3:14.
Bay timoun yo fòmasyon nan domèn espirityèl vle di plis pase annik anseye yo istwa konsènan moun ak evènman yo rakonte nan Bib la. “Yo te konvenk” Timote pou l kwè sa l te aprann yo tou. Nan lang orijinal la, ekspresyon sa a vle di “gen asirans” oswa “gen konviksyon epi sèten yon bagay se laverite”. Timote te konnen Liv ki te ekri ann ebre yo depi l toupiti. Men, rive yon lè, li te vin gen konviksyon lè l te jwenn bonjan prèv ki montre Jezi se Mesi a. Ki jan n ka ede pitit nou pou yo vin gen plis konviksyon menm jan ak Timote? Toudabò, montre n gen pasyans. Yon moun pap annik ret konsa l vin gen konviksyon, nitou nou pap ka fè pitit nou vin gen konviksyon senpleman paske yo te konvenk nou pou nou kwè. Chak timoun dwe sèvi ak “kapasite [yo] genyen pou [yo] rezone” pou yo vin gen konviksyon konsènan verite ki nan Bib la (Wom. 12:1). Antanke paran, ou jwe yon wòl enpòtan nan pwosesis sa a sitou lè pitit ou poze w kesyon. w17.12 19 § 3, 5-6.
Lendi 10 jen
Mwen konnen l ap leve nan rezirèksyon k ap fèt nan dènye jou a. — Jan 11:24.
Mat, yon bon zanmi Jezi e ki te disip li tou, te nan lapenn. Laza, frè l la, te mouri. Èske gen yon bagay ki te ka soulaje l anba chagren l te genyen an? Wi. Jezi te ba l asirans lè l te di l: “Frè w la ap leve.” (Jan 11:20-23). Mat te gen asirans sa t ap rive alavni. Annapre, Jezi te fè yon mirak. Li te fè Laza reviv menm jou sa a. Nou pa gen okenn rezon pou n panse Jezi ak Papa l pral fè yon mirak konsa pou nou jodi a. Sepandan, èske menm jan ak Mat ou gen asirans yon moun pa w ki mouri ap resisite alavni? Petèt se madanm ou oswa mari w ki mouri, petèt se manman w, papa w oswa yon gran paran w ou te renmen. Oubyen w ka nan lapenn paske w pèdi yon pitit ou. Ou pa ka tann pou w pran moun sa a ou te renmen an nan bra w, pou w pale avè l e pou w souri avè l. Erezman, menm jan ak Mat, ou gen bonjan rezon pou w di: ‘Mwen konnen moun pa m nan ap leve nan rezirèksyon an.’ Aktout sa, l ap bon pou chak kretyen reflechi sou rezon ki fè konviksyon sa a yo genyen an solid. w17.12 3 § 1-2.
Madi 11 jen
O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. Lwa w yo nan fon kè m. — Sòm 40:8.
Jezi te renmen Lalwa Bondye te bay Moyiz la. E nou pa sezi pou sa! Se moun ki pi enpòtan nan lavi Jezi, sètadi Papa l, Jewova, ki te bay Lwa sa a. Nan tèks pou jounen an nou jwenn jan Bib la te predi gwo lanmou Jezi t ap gen pou lwa Bondye a. Kit se nan pawòl, kit se nan aksyon, Jezi te montre Lwa Bondye a pafè, li fè moun jwenn byenfè e l ap akonpli san mank (Mat. 5:17-19). Se pa ti mal sa dwe te fè Jezi mal lè l te wè jan espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo te tòde sans Lwa Papa l te bay la! Yo te pran san yo pou yo obeyi kèk nan ti detay ki te nan Lwa a, e se rezon sa a ki fè Jezi te di yo: “N ap bay yon dizyèm nan mant, nan lanni ak nan tout kalite grenn epis nou rekòlte.” Donk, ki sa k te pwoblèm nan? Jezi te kontinye pou l di: “Men nou neglije pwen ki pi enpòtan nan Lalwa yo, anpalan de jistis, mizèrikòd ak fidelite.” (Mat. 23:23). Kontrèman ak Farizyen yo ki te panse yo jis, Jezi te wè pi lwen pase pawòl ki te ekri nan Lwa a, li te wè kalite Bondye genyen yo ki parèt nan chak kòmandman. w17.11 13 § 1-2.
Mèkredi 12 jen
Volonte Bondye se pou nou vin sen e se pou nou evite imoralite seksyèl. — 1 Tes. 4:3.
Gen moun ki ka di n: “Nou fèt pou n jwi lavi a. Poukisa moun pa gen dwa fè sèks san yo pa marye?” Lide kòmkwa yon kretyen dwe tolere imoralite seksyèl se yon bagay ki mal. Poukisa? Paske Pawòl Bondye a kondane imoralite seksyèl (1 Tes. 4:4-8). Piske Jewova kreye nou, li gen dwa pou l fè lwa pou nou. Se sèlman yon gason ak yon fi ki marye youn ak lòt lwa Bondye a pèmèt gen relasyon seksyèl, e sa fè pati dispozisyon Bondye pran nan kad maryaj la. Bondye ban nou lwa pou n suiv paske l renmen nou. Se pou byen nou. Lè moun nan yon fanmi obeyi yo, yo jwenn lanmou, respè ak sekirite. Bondye pa tolere lè moun fè espre yo dezobeyi lwa l bay (Ebre 13:4). Pawòl Bondye a anseye n fason pou n ret lwen imoralite seksyèl. Yon fason enpòtan nou ka fè sa se lè n fè atansyon ak sa n ap gade (Mat. 5:28, 29). Kidonk, yon kretyen ap evite gade pònografi oswa tande mizik ki gen pawòl imoral. — Efe. 5:3-5. w17.11 22 § 9-10.
Jedi 13 jen
Li bon pou nou chante louwanj pou Bondye nou an. — Sòm 147:1.
Adoratè fidèl Jewova yo gen lontan depi y ap sèvi ak mizik kòm yon mwayen pou yo fè louwanj pou Jewova. Li bon pou n note lè Izrayelit nan tan lontan yo t ap sèvi Jewova fidèlman, chante te jwe yon wòl enpòtan nan adorasyon yo t ap ba l la. Pa egzanp, lè wa David t ap fè preparasyon pou sèvis nan tanp lan, li te òganize 4 000 Levit pou chante louwanj. Te gen 288 Levit pami yo “ki te konn chante pou Jewova [e ki] te fò nan fè mizik”. (1 Kwo. 23:5; 25:7.) Nan inogirasyon tanp lan, mizik ak chante te jwe yon wòl enpòtan. Men sa Bib la di nou: “Nan moman moun ki t ap jwe twonpèt yo ak chantè yo te fè yon sèl pou yo louwe Jewova e pou yo remèsye l, etan twonpèt yo, senbal yo ak lòt enstriman mizik yo t ap sonnen pandan yo t ap louwe Jewova, [...] glwa Jewova, vrè Dye a, te ranpli kay la.” Moman sa a dwe te fè lafwa Izrayelit yo vin pi solid! — 2 Kwo. 5:13, 14; 7:6. w17.11 4 § 4-5.
Vandredi 14 jen
Pinga nou panse se lapè mwen vin met sou latè. Se pa lapè mwen vin mete, men se divizyon. — Mat. 10:34.
Jezi te konnen ansèyman l yo t ap divize moun yo e moun ki vle suiv li yo t ap bezwen gen kouraj pou yo fè sa lè yo jwenn opozisyon. Entansyon Jezi se te pwoklame mesaj verite Bondye bay la, se pa t pou kraze relasyon moun gen ant yo (Jan 18:37). Malgre sa, moun ki t ap suiv ansèyman Kris yo fidèlman t ap jwenn difikilte si yon zanmi pwòch yo oswa moun nan fanmi yo ta rejte laverite. Pou disip Kris yo fè l plezi, yo dwe andire lè y ap pase yo nan rizib, oswa menm, lè fanmi yo renye yo. Epoutan, yo jwenn plis bagay lontan pase sa yo pèdi (Mak 10:29, 30). Menm lè moun nan fanmi n opoze ak efò n ap fè pou n adore Jewova, nou kontinye renmen yo, men nou dwe sonje lanmou nou gen pou Bondye ak Kris vin an premye (Mat. 10:37). Mete sou sa, nou dwe rann nou kont Satan ap eseye sèvi ak afeksyon nou gen pou fanmi n pou l fè n pa ret fidèl. w17.10 13 § 3-6.
Samdi 15 jen
Li pouse [fi ki reprezante bagay ki mal la] antre nan veso pou mezire a, apre sa, li peze kouvèti ki fèt ak plon an sou bouch veso a. — Zak. 5:8.
Pati sa a nan vizyon an montre n Jewova pap tolere okenn bagay mal pami pèp li a. L ap asire l yo fèmen bagay mal yo yon kote epi yo retire yo byen vit (1 Kor. 5:13). Nou gen garanti sa ap fèt vre paske zanj lan fèmen veso pou mezire a ak kouvèti ki fèt ak plon an. Se pa ti soulajman vizyon sa a dwe te bay Izrayelit ki t ap viv nan epòk Zakari a, se te yon garanti Jewova t ap kenbe vrè adorasyon an pwòp! Sepandan, vizyon an te fè Juif yo sonje responsablite yo genyen pou yo kenbe adorasyon y ap bay Bondye a pwòp tou. Pèp Jewova a pa ka kite bagay mal ap fèt anba anba pami yo, yo pap kite sa fèt e yo pap tolere sa. Apre nou fin fè pati òganizasyon Bondye a ki pwòp, ki ban nou pwoteksyon ak lanmou, nou gen responsablite pou n fè efò pou n ede l ret pwòp. Èske sa pa ankouraje n kenbe “kay” nou an pwòp? Bagay mal pa gen plas li sou kèlkeswa fòm nan nan paradi espirityèl nou an. w17.10 24 § 14-15; 25 § 17-18.
Dimanch 16 jen
Mwen renmen lwa w yo. — Sòm 119:163.
Se Izrayelit yo oswa Juif yo ki te ekri 39 premye liv ki nan Bib la. Se yo menm ki moun Bondye “te konfye deklarasyon sakre [l] yo” okòmansman (Wom. 3:1, 2). Sepandan, nan twazyèm syèk anvan epòk nou an, gen anpil Juif ki pa t konprann lang ebre. Sa k fè sa? Se paske Aleksann Legran te etann dominasyon grèk la nan tout peyi li te mache pran yo (Dàn. 8:5-7, 20, 21). Tank dominasyon sa a t ap gaye, lang grèk la te vin tounen lang pifò moun ki t ap viv anba dominasyon sa a te konnen, sa gen ladan l anpil Juif ki te gaye anpil kote. Men, piske anpil Juif te vin pale lang grèk la, li te vin difisil pou pifò nan yo konprann Liv ki te ekri ann ebre yo. Ki jan sa t apral rezoud? Yo te tradui Bib la sot nan lang ebre pou vin nan lang grèk. Yo te fini nan dezyèm syèk anvan epòk nou an. Yo te vin rele koleksyon liv biblik sa yo Septant. Septant lan se premye tradiksyon Labib moun konnen ki te gen tout Liv ki te ekri ann ebre yo. w17.09 20 § 7-9.
Lendi 17 jen
Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w. — Ebre 13:5.
Patwon w ka mande w souvan pou w fè travay siplemantè leswa ak lè wikenn, yon seri moman ou te rezève pou w fè adorasyon an fanmi, pou w preche e pou w al nan reyinyon. Ou bezwen kouraj pou w refize òf sa yo ou jwenn detanzantan e pou w bay pitit ou bon egzanp. Nou demontre kouraj tou lè n ede pitit nou yo fikse objektif espirityèl ak lè n ede yo atenn objektif sa yo. Pa egzanp, gen kèk paran ki ka renka pou yo ankouraje pitit yo fè karyè nan sèvis pyonye, pou y al sèvi kote ki gen plis bezwen, pou yo antre nan Betèl oswa pou yo travay nan pwojè konstriksyon òganizasyon an. Paran sa yo ka pè pou pitit yo pa ka pran swen yo lè yo vin granmoun. Men, paran ki gen sajès yo mete kouraj sou yo e yo met lafwa yo nan pwomès Jewova yo (Sòm 37:25). Epi, yon lòt fason nou ka demontre kouraj e nou ka konte sou Jewova se lè n ede pitit nou fè menm bagay la. — 1 Sam. 1:27, 28; 2 Tim. 3:14, 15. w17.09 30 § 14-15.
Madi 18 jen
Fwi lespri a se [...] metriz. — Gal. 5:22, 23.
Ki jan w ka ede pitit ou gen metriz? Paran yo konnen jèn yo pap vin gen kalite sa a tou natirèl. E menm jan pou tout lòt kalite timoun yo bezwen chèche genyen, paran yo dwe bay egzanp (Efe. 6:4). Donk, si w wè pitit ou ap goumen pou l kontwole emosyon l, mande tèt ou si w ba l bon egzanp. Pa minimize bon efè sa genyen lè w patisipe regilyèman nan travay predikasyon an, lè w asiste reyinyon yo ak lè w fè adorasyon an fanmi. Pa pè di pitit ou non lè l mande w yon bagay, depi sa nesesè! Jewova te fikse limit pou Adan ak Èv, yon seri limit ki t ap fè yo byen konprann otorite Jewova. Menm jan an tou, paran yo dwe bay pitit yo disiplin ak egzanp nan objektif pou yo aprann demontre metriz. Lanmou pou otorite Bondye ak respè pou prensip li yo fè pati bagay ki gen anpil valè ou ka aprann pitit ou genyen. — Pwo. 1:5, 7, 8. w17.09 7 § 17.
Mèkredi 19 jen
Pa [dwe] gen divizyon nan kò a, men [...] manm li yo [dwe] gen sousi youn pou lòt. — 1 Kor. 12:25.
Toutotan monn Satan an la, n ap kontinye jwenn pwoblèm. Pwoblèm sa yo se kapab difikilte pou n jwenn travay, maladi grav, pèsekisyon, katastwòf natirèl, byen materyèl nou pèdi akoz krim oswa lòt pwoblèm ankò. Lè n ap soufri oswa lè n gen pwoblèm, nou bezwen gen bonjan konpasyon pou youn ka ede lòt. Lè n gen tandrès, sa ap pouse n aji avèk bonte (Efe. 4:32). Aspè sa yo nan nouvo pèsonalite a ap ede n imite Bondye, e y ap ede n konsole lòt moun (2 Kor. 1:3, 4). Ki jan n ka montre plis konsiderasyon pou etranje yo oswa moun ki nan nesesite yo nan kongregasyon an? Nou bezwen fè zanmi ak moun sa yo e n bezwen ede yo wè yo gen anpil valè nan kongregasyon an (1 Kor. 12:22). Anplis, gen anpil Temwen ki detèmine pou yo aprann yon nouvo lang akoz konpasyon yo genyen pou imigran yo (1 Kor. 9:23). Sa pèmèt yo jwenn anpil byenfè. w17.08 23-24 § 7-9.
Jedi 20 jen
Jewova se byen mwen. Se sa k fè m ap ret tann li avèk pasyans. — Lam. 3:24.
Se nou chak ki bezwen montre nou dispoze ret tann avèk pasyans. Men, ki sa k ap ede n fè sa? Priye Bondye pou l ban nou lespri sen. Toujou sonje pasyans se yon aspè nan fwi lespri a (Efe. 3:16; 6:18; 1 Tes. 5:17-19). Sipliye Jewova pou l ede w andire avèk pasyans. Anplis de sa, sonje sa k te ede Abraram, Jozèf ak David ret tann avèk pasyans pou Jewova reyalize pwomès li yo. Se te lafwa yo te gen nan Jewova ak konfyans yo te genyen nan fason l aji ak yo. Se pa t tèt yo ak konfò pèsonèl yo yo te wè. Toutpandan n ap reflechi sou fason bagay yo te byen mache pou yo, nou menm tou n ap jwenn ankourajman pou n kontinye ret tann avèk pasyans. Kidonk, menmsi n ap fè fas ak eprèv ak tribilasyon, nou detèmine pou n “ret tann [...] avèk pasyans”. Wi, pafwa nou gendwa rele byen fò pou n di: “O Jewova, pandan konbyen tan ankò?” (Eza. 6:11). Men, grasa lespri sen Bondye ki ban nou fòs, nou ka di menm pawòl Jeremi te di ki nan tèks pou jounen an. w17.08 7 § 18-20.
Vandredi 21 jen
O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. — Sòm 40:8.
Lè Jezi te timoun, sandout li te konn jwe e l te konn distrè l. Pawòl Bondye a di gen “yon lè pou moun ri [...] ak yon lè pou moun danse”. (Ekl. 3:4.) Jezi te konn etidye Ekriti yo tou pou l pwoche bò kot Jewova. Lè l te gen 12 an, anseyan yo nan tanp lan te ret bouch ouvè devan “entèlijans li e devan repons li t ap bay” konsènan bagay espirityèl yo (Lik 2:42, 46, 47). Lè Jezi te vin gran, li te gen kè kontan. Ki sa k te fè kè l kontan? Pami bagay Bondye te mande l fè yo, li te konnen Bondye te vle l ‘anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la e pou l fè avèg yo wè ankò’. (Lik 4:18.) Jezi te pran plezi nan fè sa Bondye te mande l fè. Li te renmen pale ak lòt moun konsènan Papa l ki nan syèl la (Lik 10:21). Yon lè, apre Jezi te fin pale ak yon dam konsènan vrè adorasyon an, li te di disip li yo: “Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.” (Jan 4:31-34). Demontre lanmou pou Bondye ak pou lòt moun te fè kè Jezi kontan. Sa ka fè kè w kontan tou. w17.07 23 § 4-5.
Samdi 22 jen
Lapè Bondye [...] ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi. — Flp. 4:7.
Fason Jewova demontre konpasyon avèk tandrès te parèt aklè nan pawòl Jezi, Pitit Gason l lan ki gen konpasyon, te konn di ak nan fason l te konn aji lè l te sou tè a (Jan 5:19). Bondye te voye Jezi pou l konsole “moun kè yo ap fann yo” ak “tout moun ki nan lapenn” yo (Eza. 61:1, 2; Lik 4:17-21). Se sa k fè tout moun te konnen Jezi kòm yon moun ki gen anpil konpasyon, sa vle di l te sansib anpil pou moun k ap soufri e l te gen gwo anvi pou l soulaje yo anba soufrans (Ebre 2:17). Men ki asirans nou jwenn nan Ekriti yo: “Jezi Kris se menm moun nan, ni yè, ni jodi a, ni pou toutan.” (Ebre 13:8). Piske “Gid prensipal ki pèmèt moun jwenn lavi a” konprann sa sa vle di lè yon moun nan lapenn, “li anmezi pou l pote moun ki anba eprèv yo sekou”. (Tra. 3:15; Ebre 2:10, 18.) Sa toujou fè Kris mal lè l wè moun ap soufri, li konprann doulè yo e l ap fè yo jwenn konsolasyon “nan bon moman”. — Ebre 4:15, 16. w17.07 13 § 6-7; 14 § 10.
Dimanch 23 jen
Kote trezò nou ye, se la kè n ap ye tou. — Lik 12:34.
Satan ak monn li an pa sispann chèche fè n gen mwens apresyasyon pou trezò espirityèl Jewova ban nou yo. Nou pa alabri taktik sa yo. Li fasil pou n kite pwomès yo fè nou pran tèt nou, pa egzanp yo ka pwomèt nou yon karyè k ap pèmèt nou fè anpil lajan. Li fasil tou pou n reve vin rich oswa pou n anvi fè egzibisyon ak byen materyèl nou genyen. Apot Jan te fè n sonje se pase monn sa a ap pase e dezi li genyen an ap pase tou (1 Jan 2:15-17). Se sa k fè n dwe fè tout sa n kapab pou n kontinye gen lanmou ak apresyasyon pou richès espirityèl yo e pou n pwoteje yo. Ou dwe dispoze abandone tout bagay ki ta ka pran plas lanmou w gen nan kè w pou Wayòm Bondye a. Kontinye chofe nan travay predikasyon an, pa janm sispann apresye travay sa a, yon travay ki ka sove lavi moun. Fè tout sa w kapab pou w kontinye chèche verite Bondye bay yo. Pandan w ap fè sa, se sere w ap sere “trezò [...] nan syèl la, kote vòlè pa ka pwoche, kote mit pa ka wonyen”. — Lik 12:33. w17.06 13 § 19-20.
Lendi 24 jen
Yon jou nan lakou w yo pi bon pase 1 000 jou nenpòt lòt kote. — Sòm 84:10.
Fason Jewova dirije a pa ni rèd ni strik. Li pèmèt nou gen libète e sa fè n gen kè kontan (2 Kor. 3:17). Men sa David te di nan sans sa a: “Kote [Bondye] ye a gen glwa e li bèl anpil, kote l rete a gen fòs ak lajwa.” (1 Kwo. 16:7, 27). Menm jan an tou, men sa Etan, youn nan moun ki te ekri sòm yo, te di: “Byennere moun k ap rele ak kè kontan lè y ap fè louwanj pou ou. O Jewova, yo kontinye mache avè w e yo gen favè w. Se tout lajounen y ap rejwi poutèt non w. Yo jwenn glwa grasa jistis ou.” (Sòm 89:15, 16). Lè n toujou medite sou jan Jewova bon sa ka fè n vin gen plis konviksyon se fason l dirije a ki pi bon. Èske se pa sa n dwe atann? Antanke Achitèk e antanke Kreyatè nou ki renmen nou, Jewova konnen sa nou bezwen pou n gen kè kontan toutbon, e li byen konble bezwen sa a. Kèlkeswa sa l mande n fè se pou byen nou e sa fè n gen anpil kè kontan. Nou wè sa, menm lè n dwe fè kèk sakrifis pou n fè sa l mande yo. — Eza. 48:17. w17.06 29 § 10-11.
Madi 25 jen
Lè yon moun ap tann yon bagay e sa pa rive lè l t ap tann li an, sa fè l pèdi espwa. — Pwo. 13:12.
Ann pran egzanp yon sè nan peyi Angletè ki te vle gen timoun ak tout fòs, men espwa l te genyen an pa t reyalize. Rive yon lè, li te fè menopoz. Li fè konnen li te santi l dezespere paske l te rann li kont dezi l te genyen an pap reyalize nan sistèm sa a. Li menm ak mari l te deside adopte yon timoun. Men sa l di aktout sa: “Mwen toujou santi m nan lapenn. M te konnen adopte yon timoun pa t ap menm bagay ak lè w fè pwòp pitit pa w.” Bib la fè konnen lè yon kretyèn “fè pitit [...] sa ap yon pwoteksyon” pou li (1 Tim. 2:15). Men, sa pa vle di fè pitit oswa gen timoun ap fè yon moun jwenn lavi ki pap janm fini an. Olye de sa, sa vle di lè yon fi gen timoun pou l okipe e l gen lòt bagay pou l fè ki gen rapò ak pran swen kay, sa ka anpeche l tonbe nan tripotay e sa ka anpeche l antre nan zafè lòt moun. — 1 Tim. 5:13. w17.06 5-6 § 6-8.
Mèkredi 26 jen
Ki sa w [bay Bondye]? Ki sa l jwenn nan men w? — Jòb 35:7.
Èske Eliyou te vle di efò nou fè nan sèvis Bondye a pa gen enpòtans? Non. Li te vle di Jewova pa depann de adorasyon n ap ba l. Jewova pa bezwen pèsonn fè anyen pou li. Nou pa kapab fè l vin pi rich oswa pi pisan. Okontrè, kèlkeswa bèl kalite, talan oswa fòs nou genyen se kado Bondye ban nou e li pran an konsiderasyon fason nou sèvi ak yo. Jewova konsidere aksyon moun fè pou demontre lanmou fidèl pou sèvitè l yo kòmsi se pou li menm yo te fè sa. Men sa Pwovèb 19:17 di: “Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, e Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a.” Èske vèsè sa a vle di Jewova note chak bèl aksyon moun fè pou moun ki malere yo? Èske n ka di Kreyatè linivè a panse li gen yon dèt anvè yon senp moun ki aji avèk mizèrikòd e li wè yon aksyon konsa kòm yon dèt l ap peye lè l fè moun nan favè e lè l beni l? Wi, Pitit Bondye a te pwouve sa. — Lik 14:13, 14. w17.04 29 § 3-4.
Jedi 27 jen
Li pran plezi nan lwa Jewova a e li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. — Sòm 1:2.
Anplis lekti nou fè nan Bib la ak nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, ki lòt fason ankò nou ka vin gen plis lanmou pou verite ki nan Bib la? Nou ka vin gen plis lanmou pou verite ki nan Bib la lè n asiste reyinyon nan kongregasyon an regilyèman. Etid Labib nou fè chak semèn nan Toudegad la se prensipal mwayen nou jwenn ansèyman. Pou n rive byen konprann sijè y ap egzamine yo, nou bezwen byen prepare chak etid Toudegad. Youn nan fason n ka fè sa se lè n chèche vèsè biblik yo bay kòm referans yo. Kounye a, nou ka telechaje peryodik Toudegad la sou sit jw.org la oswa n ka gade l sou aplikasyon JW Library a nan anpil lang. Gen kèk fòma elektwonik ki pèmèt nou jwenn vèsè yo byen vit nan chak atik etid. Men, kèlkeswa metòd nou itilize, lè n pran san n pou n byen li vèsè sa yo e n medite sou yo, n ap vin gen plis lanmou pou verite ki nan Bib la. w17.05 20 § 14.
Vandredi 28 jen
Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou. — Wom. 14:12.
Apre nou fin batize, nou vle kontinye viv ann amoni ak ve nou fè a lè n sèvi Bondye fidèlman. Pa gen okenn fason yon moun ka defèt yon ve li te fè, sa vle di pou l anile yon pwomès li te fè Bondye. Si yon moun bouke sèvi Jewova oubyen li bouke viv antanke kretyen, li pa ka di li pa t janm vwe lavi l toutbon e batèm li pa t valab. Se li menm ak tout volonte l ki te prezante tèt li kòm yon moun ki vwe Bondye tout vi l. L ap gen pou l rann Jewova ak kongregasyon an kont pou nenpòt peche grav li ta fè. Nou pa ta dwe janm kite yo di ‘nou pèdi lanmou nou te genyen okòmansman an’. Okontrè, nou ta renmen Jezi kapab di de nou: “Mwen konnen sa w fè, mwen konnen lanmou ou genyen, lafwa w, sèvis w ap fè, andirans ou, e mwen konnen sa w fè kounye a plis pase sa w te konn fè anvan.” (Rev. 2:4, 19). Ann fè tout sa n kapab pou n kontinye viv ann amoni ak ve nou fè a, pou n fè Jewova plezi. w17.04 6-7 § 12-13.
Samdi 29 jen
Tout sa Mas Wòch la fè bon nèt, tout chemen l yo se jistis. — Det. 32:4.
“Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis?” (Jen. 18:25). Lè Abraram te poze kesyon sa a, li te montre li gen konfyans Jewova t ap demontre jistis li yon fason ki pafè nan ka Sodòm ak Gomò. Abraram te gen konviksyon Jewova pa t ap janm aji yon fason ki enjis pou l ta “touye moun ki jis ansanm ak moun ki mechan”. Abraram te panse yon aksyon konsa “enposib” pou Bondye fè. Li te ka gen konfyans sa a paske se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan kesyon jistis ak ladwati. Anfèt, mo ebre lè yo tradui yo yo mete “jistis” ak “ladwati” pou yo a parèt ansanm souvan nan Liv ki te ekri ann ebre yo. An reyalite, pa gen okenn diferans ant sa ki jis ak sa ki dwat. Li lojik, piske se Jewova ki bay pi gwo egzanp nan kesyon jistis, l ap toujou wè bagay yo yon fason ki jis. Mete sou sa, selon sa Pawòl li te fè ekri a di, “li renmen ladwati e li renmen jistis”. — Sòm 33:5. w17.04 18 § 1-2.
Dimanch 30 jen
Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite. — 3 Jan 4.
Ou menm paran, egzanp ou bay pitit ou enpòtan anpil pou ede yo mache sou chemen ki mennen nan lavi ki pap janm fini an. Lè pitit ou wè w k ap “chèche Wayòm nan an premye”, yo aprann konte sou Jewova pou yo jwenn sa yo bezwen chak jou (Mat. 6:33, 34). Donk, aprann viv ak sa w genyen. Bay sèvis Jewova a priyorite olye w kontinye chèche gen plis bagay materyèl. Fè tout sa w kapab pou w pa gen dèt. Chèche jwenn “trezò nan syèl la”, sa vle di chèche jwenn apwobasyon Jewova, pa chèche gen richès oswa “jwenn glwa nan men lèzòm”. (Mak 10:21, 22; Jan 12:43.) Ou pa dwe janm twò okipe pou w pa gen tan pou pitit ou. Fè yo konnen ou fyè de yo lè yo deside bay Jewova premye plas nan lavi yo olye pou y ap kouri dèyè renome oswa richès pou yo menm oswa pou ou. Evite pwennvi ki pa kretyen ki fè konnen timoun yo dwe bay paran yo sa yo bezwen pou yo ka viv alèz. Pa bliye, Bib la di: “Yo pa atann pou se pitit ki sere pou paran, men yo atann pou se paran ki sere pou pitit.” — 2 Kor. 12:14. w17.05 8-9 § 3-4.