BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es19 p. 67-77
  • Jiyè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jiyè
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2019
  • Soutit
  • Lendi 1ye jiyè
  • Madi 2 jiyè
  • Mèkredi 3 jiyè
  • Jedi 4 jiyè
  • Vandredi 5 jiyè
  • Samdi 6 jiyè
  • Dimanch 7 jiyè
  • Lendi 8 jiyè
  • Madi 9 jiyè
  • Mèkredi 10 jiyè
  • Jedi 11 jiyè
  • Vandredi 12 jiyè
  • Samdi 13 jiyè
  • Dimanch 14 jiyè
  • Lendi 15 jiyè
  • Madi 16 jiyè
  • Mèkredi 17 jiyè
  • Jedi 18 jiyè
  • Vandredi 19 jiyè
  • Samdi 20 jiyè
  • Dimanch 21 jiyè
  • Lendi 22 jiyè
  • Madi 23 jiyè
  • Mèkredi 24 jiyè
  • Jedi 25 jiyè
  • Vandredi 26 jiyè
  • Samdi 27 jiyè
  • Dimanch 28 jiyè
  • Lendi 29 jiyè
  • Madi 30 jiyè
  • Mèkredi 31 jiyè
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2019
es19 p. 67-77

Jiyè

Lendi 1ye jiyè

Se pou nou soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan, yon fason pou l ka leve nou met byen wo lè moman an rive. — 1 Pyè 5:6.

Antanke administratè ki te “responsab kay wa a”, petèt kay Ezekyas, Chebna te gen anpil otorite (Eza. 22:15). Men, malerezman, li te vin gen ògèy, li t ap chèche jwenn glwa pou tèt li (Eza. 22:16-18). Piske Chebna t ap chèche jwenn glwa pou tèt li, Bondye te ‘retire l nan travay li te ye a’ e l te met Elyakim nan plas li (Eza. 22:19-21). Chanjman sa a te fèt lè Senakerib, wa peyi Asiri a, te gen entansyon atake Jerizalèm. Kèk tan annapre, Senakerib te voye yon seri gwo chèf ansanm ak yon gwo lame nan Jerizalèm pou dekouraje Juif yo e pou bay Ezekyas presyon pou l rann tèt li (2 Wa 18:17-25). Wa a te voye Elyakim al pale ak chèf yo, men, li pa t voye l poukont li. Te gen de lòt moun avè l, youn nan yo se te Chebna, ki te vin sekretè kounye a. Èske sa pa montre Chebna pa t kite kòlè ak rankin anvayi l, men, olye de sa, li te aksepte responsablite ki pi ba li te vin genyen yo avèk imilite? w18.03 25 § 7-8, 10.

Madi 2 jiyè

Kontinye viv selon lespri a, e nou pap akonpli okenn dezi lachè. — Gal. 5:16.

Si n wè lespri n ap pouse n reflechi sou bagay materyèl oswa sou dezi lachè, nou pa dwe dekouraje. Kontinye mande Jewova lespri sen l, e Jewova ap ede n korije panse n pou n ka konsantre sou bon bagay (Lik 11:13). Sonje egzanp apot Pyè. Pandan plizyè fwa nan lavi l, li pa t aji fason yon moun ki kite lespri Bondye gide l dwe fè sa (Mat. 16:22, 23; Lik 22:34, 54-62; Gal. 2:11-14). Men, li pa t dekouraje. Tikras pa tikras, grasa èd Jewova, Pyè te vin panse menm jan ak Kris. Nou kapab fè menm bagay la. Annapre, Pyè te site kèk bagay byen presi nou kapab travay sou yo (2 Pyè 1:5-8). Pandan n ap “fè bonjan efò” pou n vin gen kalite tankou metriz, andirans ak afeksyon pou frè yo, n ap jwenn èd pou n kontinye fè pwogrè antanke moun ki fikse lespri n sou bagay espirityèl. Chak jou, l ap bon pou w mande tèt ou: ‘Sou ki sa m ka travay jodi a pou m fè pwogrè nan domèn espirityèl?’ w18.02 25 § 12-13.

Mèkredi 3 jiyè

Mwen bay sa l di anpil valè, mwen menm fè plis pase sa l mande m fè. — Jòb 23:12.

Jòb te byen konprann prensip Bondye yo. Li te konn Jewova toutbon, e l te aji ann amoni ak konesans sa a. Fè yon ti reflechi: Jòb te konnen li pa t ap ka di l renmen Bondye toutpandan li t ap mal aji ak moun parèy li (Jòb 6:14). Li pa t bay tèt li plis enpòtans pase lòt moun, men, li te montre l gen bonjan sousi pou tout moun, rich kou pòv. Men sa l te di: “Èske Sila a ki te mete m nan vant manman m nan se pa li ki te fè yo tou?” (Jòb 31:13-22). Sa klè, Jòb pa t kite onè ak richès li te genyen an fè l santi l siperyè lòt moun. Se pa ti diferan sa diferan ak anpil moun ki gen pouvwa e ki rich nan monn nan! Jòb te rejte tout fòm idolatri, menm nan kè l. Li te konnen si yon moun ta pratike fo adorasyon, sa ki gen ladan l atachman pou richès materyèl, li t ap montre l vire do bay “vrè Dye a ki nan syèl la”. (Jòb 31:24-28.) Li te konsidere maryaj kòm yon inyon ki sakre ant yon gason ak yon fi. Li te menm fè yon alyans ak je l pou l pa gade yon fi yon fason imoral. — Jòb 31:1. w18.02 11 § 16; 12 § 18-19.

Jedi 4 jiyè

[Noye] te yon moun ki te san repwòch pami moun ki t ap viv nan epòk li a. Noye t ap mache avèk vrè Dye a. — Jen. 6:9.

Noye pa t kontante l pou l annik byen viv. Li te “preche sa ki jis” avèk kran tou, e l te fè lòt moun konnen li gen lafwa nan Jewova (2 Pyè 2:5). Men sa apot Pòl te ekri: “Grasa lafwa li te genyen an, li te kondane monn nan.” (Ebre 11:7). Se sa k fè, li nòmal pou n panse moun te pase Noye nan rizib e yo te kont li, petèt yo te menm fè l menas. Men, li pa t “tranble devan moun”. (Pwo. 29:25.) Okontrè, li te gen kouraj Jewova bay sèvitè fidèl li yo. Apre Noye te fin fè plis pase senk syèk ap mache avèk Bondye, Jewova te di l pou l fè yon lach pou l sove lavi moun ak bèt (Jen. 5:32; 6:14). Se pa ti difisil yon pwojè konsa dwe te parèt difisil, e se pa t sèlman nan domèn konstriksyon! Se sèten Noye te konnen sa t ap menm fè moun pase l nan rizib pi rèd e yo t ap kont li plis toujou. Malgre sa, li te obeyi e l te kontinye gen lafwa. “Se egzakteman sa l te fè.” — Jen. 6:22. w18.02 4 § 4, 6-7.

Vandredi 5 jiyè

Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm. — Sòm 133:1.

Yon fason ki enpòtan nou ka kontribye pou n gen tèt ansanm se lè n montre n gen lanmou menm jan ak Jewova, Bondye lanmou an (1 Jan 4:8). Konsènan adoratè parèy nou yo, se sèten nou pap janm di: “M ka renmen yo, men, m pa oblije gen afeksyon pou yo!” Yon refleksyon konsa se kontrè ak konsèy Pòl te bay lè l te mande pou “youn [...] sipòte lòt nan lanmou”. (Efe. 4:2.) N ap remake li pa t annik di pou “youn [...] sipòte lòt”. Li te ajoute nou dwe fè sa “nan lanmou”. Gen yon diferans. Nan kongregasyon nou yo, nou jwenn tout kalite moun Jewova rale vin jwenn li (Jan 6:44). Piske Jewova rale yo vin jwenn li, li dwe twouve yo se bon moun. Nan ka sa a, ki jan nenpòt nan nou ta ka fè panse yon adoratè parèy nou pa merite pou n renmen l? Nou pa dwe meprize lanmou Jewova ban nou lòd pou n demontre a! — 1 Jan 4:20, 21. w18.01 16 § 14.

Samdi 6 jiyè

Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan. — Ekl. 12:1.

Gen kèk paran ki konn panse li t ap pi bon pou pitit gason yo oswa pitit fi yo voye batèm yo pou pita yon fason pou yo fè gwo etid pou yo ka asire avni yo anvan. Yo ka gen bon entansyon lè yo fè yon rezònman konsa, men, èske sa ap ede pitit yo reyisi toutbon nan lavi a? Sa k pi enpòtan an, èske sa ann amoni ak Ekriti yo? Li enpòtan pou n sonje monn sa a ansanm ak tout sa ki ladan l opoze ak sa k enterese Jewova ansanm ak sa l panse (Jak 4:7, 8; 1 Jan 2:15-17; 5:19). Yon relasyon sere ak Jewova se pi bon defans yon timoun ka genyen kont Satan, kont monn li an ak panse monn nan ki pa menm ditou ak sa Bondye panse. Lè yon paran bay objektif pwofàn twòp priyorite, sa ka lage yon timoun nan konfizyon e sa ka fè l pa bay sa k ap pi bon pou li yo enpòtans. Èske paran kretyen ki gen lanmou yo t ap vrèman vle pou monn sa a anpeche pitit yo konprann sa k ap fè yo reyisi toutbon? An reyalite, se sèlman lè n bay Jewova premye plas nan lavi nou kè n ap kontan toutbon e n ap reyisi. — Sòm 1:2, 3. w18.03 10-11 § 10-11.

Dimanch 7 jiyè

Chèche Wayòm nan an premye e [...] chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye. — Mat. 6:33.

Gen anpil moun ki rann yo kont lè yo viv yon fason ki senp, nonsèlman sa fè yo gen plis kè kontan, men tou, sa fè yo gen plis tan pou yo sèvi Jewova. Jack te vann yon gwo kay ansanm ak yon biznis li te genyen paske l te konnen sa t ap pèmèt li vin pyonye ansanm ak madanm li. Men refleksyon l fè: “Pandan plizyè ane, m te konn rantre lakay mwen tou fache akoz pwoblèm ki te gen nan travay mwen. Madanm mwen ki te pyonye pèmanan te toujou gen anpil kè kontan. Men sa l te konn di: ‘Mwen gen pi gwo patwon ki te ka genyen an!’ Piske mwen pyonye kounye a tou, nou toule de ap travay pou menm Moun nan, sètadi Jewova.” Pou n rive wè ki pwennvi nou genyen sou lajan, nou ka egzamine jan n t ap reponn kesyon ki vin annapre yo yon fason ki onèt: ‘Èske m vrèman kwè nan sa Bib la di sou lajan e m viv ann amoni ak sa? Èske se fè lajan mwen bay premye plas nan lavi m? Èske m bay bagay materyèl plis enpòtans pase relasyon m gen ak Jewova ak relasyon m gen ak lòt moun? Èske m kwè toutbon Jewova ap ban m sa m bezwen?’ Nou mèt gen asirans li pap janm desevwa moun ki met espwa yo nan li. w18.01 25 § 12-13.

Lendi 8 jiyè

Jan nou toujou obeyi, [...] kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè. — Flp. 2:12.

Se yon gwo responsablite pou n travay pou pwòp delivrans nou. Pami bagay nou dwe fè yo, nou bezwen li Pawòl Bondye a epi medite sou li, nou bezwen priye Jewova, e n bezwen reflechi sou divès fason Jewova beni nou pèsonèlman. Lè w fè efò nan domèn sa yo sa ap fè w vin gen plis asirans ou gen privilèj pou w zanmi Jewova. Yon lòt bò, sa ap pouse w pale ak lòt moun konsènan kwayans ou (Sòm 73:28). Men sa Jezi te di: “Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li, se pou l pran poto soufrans li e se pou l kontinye suiv mwen.” (Mat. 16:24). Sa klè, travay fè disip la, san wete vwe Bondye lavi w epi fè w batize, se yon obligasyon pou ou antanke kretyen. Mete sou sa, li ouvri pòt pou w jwenn anpil benediksyon depi kounye a ak lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo Bondye a. Kidonk, ou gen tout rezon w pou w kontinye travay pou pwòp delivrans ou! w17.12 27 § 18-19.

Madi 9 jiyè

Abiye nou ak [...] pasyans. — Kol. 3:12.

Lè paran yo anseye pitit yo avèk pasyans, tikras pa tikras timoun yo ap kòmanse konprann “lajè, longè, wotè ak pwofondè” lafwa (Efe. 3:18). Nou ka chèche sa k ap bon pou yo selon laj yo ak kapasite yo. Tank y ap vin gen konviksyon nan sa y ap aprann, se tank y ap ka pi byen defann kwayans yo devan lòt moun, san wete kamarad lekòl yo (1 Pyè 3:15). Pa egzanp, èske pitit ou ka sèvi ak Bib la pou l esplike sa k rive lè yon moun mouri? Èske sa Bib la esplike yo gen sans pou li? Vrèmanvre, pou w fè Pawòl Bondye a antre nan kè pitit ou, sa mande pasyans, men, sa vo lapenn pou w fè efò (Det. 6:6, 7). Nòmalman, egzanp ou bay enpòtan tou pou w fè pitit ou vin gen plis konviksyon. Men sa Stephanie, manman twa pitit fi, fè konnen: “M konn mande tèt mwen: ‘Èske m konn pale ak pitit mwen yo sou rezon ki fè mwen gen konviksyon Jewova egziste, li renmen nou, epi fason l aji yo jis?’ M pa ka atann pou pitit mwen kwè yon bagay alòske mwen pa kwè ladan l.” w17.12 20 § 8-10.

Mèkredi 10 jiyè

Frè w la ap leve. — Jan 11:23.

Ki sa k te ka bay Mat asirans frè l la t ap resisite? Sandout se paske Mat te aprann gen mirak ki te fèt anvan menm Jezi te kòmanse sèvis li sou tè a ki fè l te gen konviksyon sa a. Li te tande pale de mirak sa yo lè l te jèn, swa lakay li swa nan sinagòg la. Gen twa nan istwa sa yo ki nan Ekriti yo ki ka vin nan lespri n. Reflechi sou premye rezirèksyon an. Li te fèt nan yon epòk kote Bondye te bay pwofèt Eli pouvwa pou l fè mirak. Nan vil Safat, yon ti vil bò lanmè nan peyi Fenisi, gen yon vèv malerèz ki te byen akeyi pwofèt la. Apre sa, Bondye te fè yon mirak lè l te fè ti farin ak ti luil dam nan pa fini yon fason pou li menm ak pitit gason l lan pa mouri (1 Wa 17:8-16). Annapre, pitit gason dam nan te vin malad e l te mouri. Eli te vin ede dam nan. Toutpandan Eli t ap manyen kadav la, li t ap priye e l te di: “Bondye m nan, tanpri, rebay pitit la lavi.” E sa te rive vre! Bondye te koute Eli, e tipitit la te retounen viv ankò. Se premye rezirèksyon Bib la rapòte (1 Wa 17:17-24). Se sèten Mat te konn gwo evènman sa a. w17.12 3 § 1; 4 § 3, 5-6.

Jedi 11 jiyè

Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan. — Mat. 6:24.

Anpil moun ap ankouraje n chèche fè yon karyè nan monn nan kòm prensipal objektif nan lavi a. Yon karyè konsa ka fè n gen renome, pouvwa ak richès. Piske anpil moun konsidere yon karyè nan monn nan kòm prensipal objektif yo nan lavi a, sa ka fè yon kretyen panse konsa tou. Èske se vre se lè yon moun reyisi nan yon karyè ki bay pouvwa ak renome l ap jwenn kè kontan pou toutan? Non. Pa bliye Satan gen gwo anvi pou l kontwole moun e pou moun admire l, poutan, li an kòlè, li pa gen kè kontan (Mat. 4:8, 9; Rev. 12:12). Lè n konsidere jan sa bay kè kontan lè n ede moun benefisye sajès Bondye bay la yon fason pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, nou rann nou kont se sèlman yon ti satisfaksyon nou ka jwenn lè n chèche fè yon karyè nan monn nan. Mete sou sa, lespri monn sa a toujou ap pouse moun fè konpetisyon. Li ankouraje moun yo chèche depase youn lòt, li fè yo vin jalou, e alafen, li montre se “dèyè van yo t ap kouri”. — Ekl. 4:4. w17.11 23 § 11-13.

Vandredi 12 jiyè

Lè yo fin chante pou yo louwe Bondye, yo soti al sou Mòn Oliv. — Mat. 26:30.

Lè kongregasyon kretyen an te fin tabli, mizik te kontinye jwe yon wòl enpòtan nan vrè adorasyon an. Nan nuit ki pi enpòtan nan listwa lèzòm nan, Jezi te chante kèk kantik apre l te fin tabli Soupe Seyè a. Kretyen yo nan premye syèk la bay egzanp antanke moun ki te konn chante ansanm pou yo fè louwanj pou Bondye. Menm lè yo te konn reyini nan kay prive souvan, ti lokal yo te genyen pou yo adore Jewova a pa t anpeche yo chante pou li. Men ki enstriksyon Bondye te pouse apot Pòl bay frè l yo: “Se pou youn kontinye anseye lòt e se pou youn kontinye ankouraje lòt ak sòm, ak louwanj pou Bondye, ak chante espirityèl nou chante avèk rekonesans, se pou nou chante ak tout kè nou pou Jewova.” (Kol. 3:16). Chante ki nan liv kantik nou an se bonjan “chante espirityèl nou [dwe] chante avèk rekonesans”. Yo fè pati manje espirityèl “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou. — Mat. 24:45. w17.11 4 § 7-8.

Samdi 13 jiyè

Nou dwe chwazi vil yo kote k ap fasil pou yon moun [...] ka kouri ale. — Nonb 35:11.

Li te fasil pou moun al nan toule sis vil refij ki te genyen yo. Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou gen menm kantite vil refij sou chak bò Rivyè Jouden an. Poukisa? Se pou kèlkeswa moun ki ta nan mawon an te ka jwenn refij byen vit e byen fasil ladan yo (Nonb 35:12-14). Yo te kenbe wout ki mennen nan vil refij yo an bon eta (Det. 19:3). Selon koutim Juif yo, yo te konn met yon seri poto pou endike moun ki te nan mawon yo wout ki mennen nan vil yo. Piske vil refij yo te disponib, yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t gen entansyon fè sa pa t oblije kouri al nan yon peyi etranje kote l te ka jwenn tantasyon pou l soutni fo adorasyon. Fè yon ti reflechi: Jewova, Sila a ki te bay lòd pou yo touye tout moun ki fè espre yo touye lòt moun, te bay moun ki te touye yon moun san l pa t gen entansyon fè sa bonjan posiblite pou l jwenn konpasyon l ak pwoteksyon l! Dapre sa yon biblis fè konnen, “tout bagay te fèt yon fason ki òdinè, ki senp e ki fasil otank posib.” Jewova pa yon jij san pitye ki chofe pou l pini sèvitè l yo. Okontrè, li gen “anpil mizèrikòd”. — Efe. 2:4. w17.11 14 § 4-5.

Dimanch 14 jiyè

Tounen vin jwenn mwen, e m ap tounen vin jwenn nou. — Zak. 1:3.

Yon woulo k ap vole, yon fi yo fèmen nan yon veso pou mezire e de fi ki gen zèl tankou zèl sigòy k ap plane nan van an. N ap jwenn detay sou vizyon estrawòdinè sa yo nan liv Zakari a (Zak. 5:1, 7-9). Poukisa Jewova te bay pwofèt li a vizyon frapan sa yo? Sizyèm ak setyèm vizyon Zakari te fè yo se yon gwo avètisman pou moun ki kontinye aji yon fason ki malonèt, e se yon avètisman ki fè n sonje Jewova pa tolere bagay mal. Yon lòt bò, moun sensè k ap adore l yo dwe rayi bagay mal toutbon. Epitou, istwa sa yo ban nou plis asirans Papa nou ki nan syèl la renmen nou. Si n fè tout sa n kapab pou n vin kalite moun Bondye bay favè l ak pwoteksyon l, nou pap sibi yon malediksyon k ap mennen nan lanmò. Olye de sa, Jewova ap kontan beni nou. Tout efò sa yo n ap fè pou n ret pwòp nan yon monn ki chaje ak bagay mal k ap fèt ladan l ap vo lapenn. Nou kapab gen asirans n ap reyisi grasa èd Jewova! w17.10 21 § 1; 25 § 19.

Lendi 15 jiyè

Se pou granmoun fi yo gen yon konduit ki montre yo gen respè pou Bondye, [...] yon fason pou yo bay jèn medam yo konsèy. — Tit 2:3, 4.

Kounye a, sè selibatè yo gen anpil posiblite pou yo fè plis nan sèvis yo lè yo pran sèvis pyonye, lè yo deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen, lè yo travay antanke volontè pou plan ak konstriksyon lokal epi lè yo aplike pou Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Genyen ki kapab menm al Lekòl Galaad. Byenke fi ki granmoun yo pa ka fè anpil nan bagay sa yo, yo se yon benediksyon pou kongregasyon an. Se pa ti renmen nou renmen sè sa yo! Gen nan yo ki gendwa pa ka fè menm kantite travay yo te konn fè lontan nan sèvis Bondye a, men, yo toujou ka mete kouraj sou yo pou yo fè travay la. Pa egzanp, yon sè aje bezwen demontre kouraj si yo mande l pale ak yon jèn sè sou fason l abiye. Li pap pale di ak jèn sè a konsènan rad li chwazi mete, men, li ka ankouraje l reflechi sou fason rad li chwazi mete yo ka gen efè sou lòt moun (1 Tim. 2:9, 10). Lè l pale ak lanmou konsa, sa ka gen yon bon efè sou jèn sè a. w17.09 31-32 § 17-18.

Madi 16 jiyè

E w ap vin aprann konn Bondye. — Pwo. 2:5.

Pafwa, gen yon seri moun ki gen anpil pouvwa ki konn eseye anpeche moun nan pèp la gen aksè ak Bib la. Sepandan, gen kèk moun sensè ki te kanpe fèm kont opozisyon sa yo. Pa egzanp, ann konsidere yon teyolojyen nan 14yèm syèk la ki te rele John Wycliffe. Li te kwè ak tout kè l tout moun ta dwe kapab jwenn byenfè nan Pawòl Bondye a. Men, nan epòk li a, pifò moun nan peyi Angletè te prèske pa gen aksè ak Bib la. An 1382, gen yon tradiksyon Labib ann anglè ki te vin parèt, e yo te vin rele l annapre Bib Wycliffe. Etandone predikatè itineran yo, yo te rele Lola, te vle fè Pawòl Bondye a antre nan kè ak nan lespri moun nan pèp la, yo te konn vwayaje apye sot nan yon bouk al nan yon lòt toupatou nan peyi Angletè. Byen souvan, Lola yo te konn li kèk pati nan Bib Wycliffe la pou moun yo te konn rankontre yo e yo te konn kite kèk pòsyon ki ekri alamen pou yo. Nan syèk ki te vin annapre a, gen anpil moun ann Ewòp ak nan kèk lòt pati nan monn nan ki te kòmanse tradui epi distribye Bib la nan enterè moun nan pèp la. w17.09 20-21 § 10-12.

Mèkredi 17 jiyè

Moun ki marye yo ap jwenn tribilasyon nan lavi yo. — 1 Kor. 7:28.

Lè yon mari ak madanm li vle gen pitit men yo pa ka genyen, sa poukont li se yon “tribilasyon nan lavi” a (Pwo. 13:12). Nan tan biblik yo, byen souvan, se te yon wont pou yon fi lè l pa t ka fè pitit. Rachèl, madan Jakòb, te santi l boulvèse lè l te wè sè l la gen pitit (Jen. 30:1, 2). Lè n ap pale de tribilasyon ki gen nan maryaj, gen yon tribilasyon ki gendwa pa vin nan lespri n tousuit. Se lanmò youn nan konjwen yo. Vrèmanvre, se yon eprèv san parèy pou anpil moun ki marye lè mari yo oswa madanm yo te renmen anpil la mouri. Konjwen ki vivan an gendwa pa t atann l ap jwenn yon eprèv konsa nan sistèm sa a. Kretyen yo gen bonjan konfyans nan pwomès Jezi te fè konsènan yon rezirèksyon ki gen pou fèt alavni (Jan 5:28, 29). Ki sa yon esperans konsa fè pou konjwen ki vivan an? Li fè l jwenn yon gwo konsolasyon. Se yon lòt fason Papa nou ki renmen nou an sèvi ak Pawòl li a pou l ede moun k ap fè fas ak tribilasyon e pou l konsole yo. w17.06 4 § 1; 5 § 6; 6 § 9.

Jedi 18 jiyè

Jewova, Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib. — Egz. 34:6.

Yon lè, Bondye te fè Moyiz konn kiyès li ye lè l te site pwòp non l ansanm ak kèk nan kalite l yo. De premye kalite li te site yo se mizèrikòd ak kè sansib (Egz. 34:5-7). Jewova te ka atire atansyon sou pisans li ak sajès li. Men, etandone Moyiz t ap chèche jwenn asirans Bondye t ap ede l, Jewova te atire atansyon l sou kalite sa yo pito ki montre volonte l genyen pou l ede sèvitè l yo (Egz. 33:13). Aktout Bondye te kreye lèzòm yon fason pou yo demontre kè sansib, antanke desandan Adan, enpèfeksyon nou gen lakay nou fè n gen tandans wè tèt nou sèlman. Pafwa, nou ka twouve l difisil pou n deside si n ap ede lòt moun oswa si n ap konsantre sou tèt nou sèlman. Pou kèk moun, se toujou yon lit sa ye oswa se yon aksyon ki mande pou yo gen ekilib. Ki sa k ka ede w demontre enterè pou lòt moun epi kontinye demontre sa? Premyèman, pran tan pou w egzamine fason Jewova montre l gen kè sansib ak fason lòt moun montre sa. Dezyèmman, egzamine fason ou ka imite egzanp Bondye ak fason w ap jwenn bonjan byenfè lè w fè sa. w17.09 8 § 1; 9 § 3.

Vandredi 19 jiyè

Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.

Motivasyon n genyen pou n abiye n ak nouvo pèsonalite a se ta dwe pou n onore Jewova, se pa ta dwe pou n jwenn lwanj nan men lèzòm. Sonje menm yon kreyati espirityèl ki te pafè yon lè te peche paske l te kite ògèy plen tèt li. (Konpare ak Ezekyèl 28:17.) Donk, li pi difisil toujou pou lèzòm pechè evite gen ògèy e pou yo pa vin awogan! Aktout sa, li posib pou n abiye n ak imilite. Ki sa k ap ede n fè sa? Pou n kontinye gen imilite, nou bezwen rezève tan pou n medite chak jou sou sa n li nan Pawòl Bondye a (Det. 17:18-20). Li sitou enpòtan pou n medite sou ansèyman Jezi yo ansanm ak bèl egzanp li kite nan fason l te fè sèvis li ak imilite (Mat. 20:28). Jezi te menm lave pye apot li yo (Jan 13:12-17). Anplis de sa, nou bezwen priye Bondye souvan pou l ban nou lespri sen pou ede n goumen kont nenpòt tandans ki ta vle fè n santi n siperyè lòt moun. — Gal. 6:3, 4. w17.08 25 § 11-12.

Samdi 20 jiyè

Fè Bondye konnen demann nou yo [...]. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou. — Flp. 4:6, 7.

Petèt gen moman nan lavi nou kote nou te santi nou t ap suiv direksyon lespri sen Bondye menm jan ak Pòl, men annapre, bagay yo pa t pase jan nou t ap atann nan. Nou te jwenn difikilte, oswa nou te twouve nou nan yon nouvo sitiyasyon ki te mande nou fè gwo chanjman nan lavi nou (Ekl. 9:11). Ki sa k ka ede n pou n pa enkyete n pou anyen e pou n ka gen “lapè Bondye”? Pawòl Pòl te di kretyen nan vil Filip yo montre n remèd tètchaje se lapriyè. Donk, lè n gen tètchaje, nou bezwen priye pou n jere yo (1 Pyè 5:6, 7). Priye Jewova ak anpil lafwa, piske w konnen li gen sousi pou ou. Priye l pou w “di l mèsi” toutpandan w ap sonje benediksyon w jwenn yo. Konfyans nou gen nan li a ap vin pi solid lè n sonje li ka “vrèman fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine”. — Efe. 3:20. w17.08 9 § 4, 6; 10 § 10.

Dimanch 21 jiyè

Kote ki pa gen dyalòg, okenn plan pap mache, men, bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy. — Pwo. 15:22.

Gen anpil kretyen ki te gen kè kontan pandan yo te jèn lè yo te nan sèvis pyonye. Si w se yon jèn, poukisa w pa pale ak kèk nan yo konsènan sa w planifye fè? Moun sa yo ki djanm nan domèn espirityèl ka di w sèvis aplentan ap ba w yon fòmasyon k ap fè w jwenn byenfè pandan tout vi w. Apre Jezi te fin jwenn fòmasyon nan men Papa l nan syèl la, li te kontinye aprann pandan l t ap preche sou tè a. Pa egzanp, li te aprann jan sa bay kè kontan lè l touche kè moun ak bon nouvèl la ak lè l kenbe entegrite l devan eprèv (Eza. 50:4; Ebre 5:8; 12:2). Jezi te di: ‘Ale, fè disip epi anseye yo.’ (Mat. 28:19, 20). Si w planifye pou w vin yon moun k ap fè disip, w ap chwazi yon karyè ki bay anpil satisfaksyon e ki fè Bondye jwenn glwa. Menm jan ak tout lòt karyè, ou bezwen tan pou w vin maton nan sa w ap fè a. w17.07 23 § 6-7.

Lendi 22 jiyè

M ap kontinye konsole nou. — Eza. 66:13.

Pa gen dout nan sa, Jewova, Papa nou ki nan syèl la ki gen konpasyon, se prensipal sous konsolasyon an (2 Kor. 1:3, 4). Kongregasyon an se yon lòt sous konsolasyon pou moun ki nan lapèn yo (1 Tes. 5:11). Ki jan w ka fòtifye moun ki “dekouraje nèt” yo epi konsole yo (Pwo. 17:22)? Ou bezwen sonje gen “yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale”. (Ekl. 3:7.) Men sa yon vèv ki rele Dalene esplike: “Moun ki gen moun mouri yo bezwen di sa yo panse ak sa yo santi. Kidonk, bagay ki pi enpòtan w ka fè pou yon moun ki gen moun mouri se koute l, san w pa entèwonp li.” Men sa Junia, ki te gen yon frè l ki touye tèt li, ajoute: “Menm lè l ka difisil pou w konprann tout soufrans moun yo, sa k enpòtan an se lefètke w vle konprann sa yo santi.” Anplis de sa, nou bezwen sonje se pa tout moun ki soufri oswa ki montre soufrans yo menm jan. w17.07 13 § 3; 14 § 11-13.

Madi 23 jiyè

Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a. — Sòm 83:18.

Pou anpil moun jodi a, se lajan ki pi enpòtan. Tout sa k nan tèt yo se chèche vin rich oswa sere sa yo posede. Gen lòt moun ki konsidere fanmi yo, sante yo oswa sa yo reyalize kòm bagay ki pi enpòtan pou yo. Sepandan, gen yon kesyon ki enpòtan anpil ki konsène nou tout, se kesyon ki gen rapò ak defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an. Nou bezwen fè atansyon pou n pa bliye kesyon sa a ki enpòtan anpil. Ki jan sa ka rive? Nou ka tèlman kite sa n bezwen chak jou nan lavi a pran tèt nou, sa fè n bliye jis nan ki pwen l vrèman enpòtan pou n defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an. Oswa, nou ka kite eprèv nou yo ki rèd anpil fè n bliye kesyon enpòtan sa a. Yon lòt bò, plis nou konprann jan l enpòtan pou n defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an se plis n ap pi byen ekipe pou n fè fas ak difikilte nou rankontre chak jou nan lavi nou. Epitou, lè n konprann sa, sa ap fè n vin pi pwòch Jewova. w17.06 22 § 1-2.

Mèkredi 24 jiyè

Se pou nou imite m, menm jan mwen menm, mwen imite Kris. — 1 Kor. 11:1.

Jewova egzèse otorite l avèk lanmou. Ann amoni ak sa, chèf fanmi yo ak ansyen yo ki renmen fason Jewova dirije antanke Souvren an pap fè egzijans, kòmkwa yo se yon ti souvren. Okontrè, y ap imite Jewova. Pòl te konn imite Bondye ak Pitit Gason Bondye a nan fason sa a. Pòl pa t konn fè moun wont oswa fè presyon sou yo pou yo aji jan l vle a. Olye de sa, li te konn sipliye yo (Wom. 12:1; Efe. 4:1; Flm. 8-10). Se konsa Jewova vle n aji. Kidonk, se konsa tout moun ki renmen fason Jewova dirije a e k ap soutni l ta dwe aji. Ki jan n reyaji devan moun Bondye tabli pou dirije yo? Lè n kowopere avèk respè, nou montre n ap defann dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an. Menmsi nou pa fin byen konprann yon desizyon oswa nou pa fin dakò avè l, n ap toujou vle soutni lòd Bondye tabli nan òganizasyon l lan. Se pa menm bagay ditou ak fason monn nan fonksyone, men se fason sa a nou dwe viv anba dominasyon Jewova. — Efe. 5:22, 23; 6:1-3; Ebre 13:17. w17.06 30 § 14-15.

Jedi 25 jiyè

Bondye anseye nou pou youn renmen lòt. — 1 Tes. 4:9.

Frè ak sè nou yo, jèn kou granmoun, ki dekouraje oswa ki deprime oubyen k ap fè fas ak lòt difikilte bezwen nou ba yo atansyon, ankourajman ak rekonfò (Pwo. 12:25; Kol. 4:11). Nou montre n renmen frè n ak sè n yo toutbon lè n pale ak yo ak lè n aji anvè yo yon fason ki montre n gen bonjan sousi pou “moun ki fanmi nou nan lafwa”. (Gal. 6:10.) Labib te anonse nan “dènye jou” sistèm mechan sa a anpil moun t ap vin egoyis e yo t ap vin ava (2 Tim. 3:1, 2). Se sa k fè, antanke kretyen, nou dwe fè anpil efò pou n vin gen plis lanmou pou Bondye, pou verite ki nan Bib la e pou n vin gen plis lanmou youn pou lòt. Se vre, pafwa nou ka gen kèk ti pwoblèm ak kwayan parèy nou. Men, se pa ti byenfè tout moun nan kongregasyon an jwenn lè lanmou pouse n regle kèlkeswa mezantant nou genyen avèk tandrès (Efe. 4:32; Kol. 3:14)! Kidonk, ann kontinye vin gen plis lanmou pou Jewova, pou Pawòl li a ak pou frè n yo. w17.05 21 § 17-18.

Vandredi 26 jiyè

Si nou deklare: “Nou san peche”, se tèt nou n ap twonpe. — 1 Jan 1:8.

Kretyen yo atann y ap jwenn enjistis deyò kongregasyon an. Men, lafwa nou ka pase anba eprèv si n wè sanble gen enjistis k ap fèt nan kongregasyon an oswa yo fè n enjistis. Ki jan w ap reyaji si w kwè yo fè w enjistis nan kongregasyon an oubyen yon kretyen parèy ou fè w enjistis? Èske w ap kite sa fè w bite? Piske nou tout enpafè e nou konn fè peche, nou rann nou kont li posib swa pou moun fè n enjistis oswa pou n fè lòt moun enjistis nan kongregasyon an. Byenke sitiyasyon sa yo pa rive fasil, kretyen fidèl yo pa sezi oswa choke lè yo wè gen enjistis k ap fèt. Se avèk rezon, Jewova bay konsèy ki vrèman itil nou nan Pawòl li a pou ede n kenbe entegrite n, menm lè kretyen parèy nou fè n bagay ki mal. — Sòm 55:12-14. w17.04 19 § 4-5.

Samdi 27 jiyè

Moun ki marye yo ap jwenn tribilasyon nan lavi yo. — 1 Kor. 7:28.

Si moun ou marye avè l la pa kwayan, ou ka gen plis strès ak tètchaje nan maryaj ou. Sepandan, lefètke moun ou marye avè l la pa dispoze suiv Kris pou kounye a, sa sèlman pa yon bon rezon pou w separe oswa divòse (1 Kor. 7:12-16). Byenke mari ki pa kwayan an ka pa pran latèt nan ede fanmi an gen bon relasyon ak Bondye, ou dwe respekte l akoz pozisyon l antanke chèf fanmi. Menm jan an tou, yon mari ki kretyen dwe demontre lanmou ki pouse l fè sakrifis pou madanm li ki pa kwayan e l dwe montre li gen gwo afeksyon pou li (Efe. 5:22, 23, 28, 29). E si moun ou marye avè l la eseye met limit nan adorasyon w ap bay Bondye a? Pa egzanp, mari yon sè te di l ki jou nan semèn nan sèlman li ka al preche. Si w ta nan yon sitiyasyon konsa, mande tèt ou: ‘Èske moun mwen marye avè l la mande m pou m sispann adore Bondye? Si repons lan se non, èske m ka aksepte sa l mande m nan?’ Lè w rezonab, sa ka ede w evite konfli nan maryaj ou san nesesite. — Flp. 4:5. w17.10 13 § 7-8.

Dimanch 28 jiyè

Se pou nou fè yo antre nan kè pitit nou yo. — Det. 6:7.

Jan Bib la te gentan fè konn sa, gen moun “ki soti nan tout lang nasyon yo pale” k ap vin nan òganizasyon Jewova a (Zak. 8:23). Sepandan, pwoblèm lang lan ka fè l difisil pou w anseye pitit ou laverite. Pitit ou se etidyan Labib ki pi enpòtan w te ka genyen, e lè yo “aprann konnen” Jewova, y ap jwenn lavi ki pap janm fini an (Jan 17:3). Pou w rive fè pitit ou konn ansèyman Jewova yo, ou dwe “pale sou bagay sa yo avèk yo” nan tout okazyon ki apwopriye (Det. 6:6, 7). Pitit ou kapab aprann lang yo pale nan zòn nan nan lekòl yo ak nan lòt okazyon, men, se lang ou pale a y ap aprann an premye lè w pale ak yo souvan nan lang sa a. Lè pitit ou konn lang ou pale a, nonsèlman sa ap pèmèt yo gen konvèsasyon fran avè w, men sa ap fè yo jwenn lòt avantaj tou. Lè yo konn pale de lang, sa ap amelyore kapasite yo genyen pou yo reflechi e sa ap fè yo pi alèz ak lòt moun. w17.05 9 § 5-6.

Lendi 29 jiyè

Ale, mache al sou Mòn Tabò. M ap mennen Sisera, [...] ba ou [...] e m ap lage [l] nan men w. — Jij 4:6, 7.

Izrayelit yo pa t gen bon ekipman, yo pa t gen ni zam pou yo atake ni ekipman pou yo defann yo, tandiske ènmi yo te gen 900 charyo pou fè lagè ki gen epe nan wou yo (Jij 4:1-3, 13; 5:6-8). Sepandan, Jewova te bay Barak lòd byen klè ki pi wo a. Barak te suiv enstriksyon Jewova yo san pèdi tan (Jij 4:14-16). Pandan pi gwo batay la t ap fèt nan Tanak, gen yon gwo lapli ki tonbe bridsoukou e l fè zòn nan tounen yon marekaj. Barak te kouri dèyè lame Sisera a rive jis Awochèt, nan yon distans 24 kilomèt. Lè Sisera rive yon kote sou wout la, li abandone charyo ki te konn fè moun panike a e ki pa t itil li anyen nan moman an pou l kouri al Zaananim, petèt ki te toupre Kedès. Li t al pran refij nan tant Jayèl la, madanm Ebè, moun Kenit la, e Jayèl te byen akeyi l. Piske Sisera te fatige anpil nan batay la, dòmi t al avè l. Kounye a, Sisera pa t ka fè anyen lè Jayèl te met kouraj sou li pou l touye l (Jij 4:17-21). Se konsa yo te pot laviktwa sou ènmi pèp Izrayèl la! w17.04 29-30 § 6-8.

Madi 30 jiyè

Jewova gen pwoblèm ak nasyon yo. [...] Li gen pou l touye mechan yo ak kout epe. — Jer. 25:31.

Apre Amagedon, èske ap gen òganizasyon sou tè a? Men sa Bib la fè n konnen: “Selon pwomès Bondye fè, n ap tann yon syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite.” (2 Pyè 3:13). Ansyen syèl la ak ansyen tè a, sa vle di gouvènman ki kòwonpi yo ak moun k ap viv sou tè a ki anba kontwòl yo, ap detwi. Ki sa k pral ranplase yo? Ekspresyon “syèl tounèf ak yon tè tounèf” la vle di pral gen yon nouvo gouvènman e pral gen yon nouvo gwoup moun sou tè a ki pral anba direksyon gouvènman sa a. Yon fason ki pafè, Wayòm Jezi Kris la pral reflete pèsonalite Jewova Dye ki se yon Bondye ki gen lòd (1 Kor. 14:33). Kidonk, Bondye ap byen òganize “tè tounèf” la. Ap gen bon moun pou jere bagay yo (Sòm 45:16). Se Kris ansanm ak 144 000 moun ki pral dirije avè l yo ki pral bay moun sa yo direksyon. Èske w ka imajine yon epòk kote se yon sèl òganizasyon ki gen tèt ansanm e ki pa kòwonpi ki pral ranplase tout òganizasyon ki kòwonpi yo? w17.04 11 § 8-9.

Mèkredi 31 jiyè

Y ap vin yon sèl chè. — Jen. 2:24.

Maryaj se yon bagay ki sakre. Lemarye ak lamarye fè youn lòt yon ve devan Bondye e devan temwen yo. An jeneral, yo pwomèt pou youn renmen lòt, pou youn pran swen lòt, pou youn respekte lòt e pou yo fè sa “toutotan [yo] toule de ap viv ansanm sou tè a, selon dispozisyon Bondye mete nan kad maryaj la”. Petèt, gen lòt moun ki pa t di menm pawòl sa yo lè yo t ap marye, men, yo te fè yon ve kanmenm devan Bondye. Apre sa, yo te deklare yo se mari ak madanm, e maryaj yo a dwe dire toutotan y ap viv (1 Kor. 7:39). “Kidonk”, jan Jezi te di sa, “sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l”, kit se mari a, kit se madanm nan, oswa nenpòt lòt moun. Se sa k fè, de moun ki pral marye dwe met nan tèt yo yo pap ka chwazi divòse konsa konsa (Mak 10:9). Nòmalman, pa janm gen yon maryaj ki pafè. Se de moun enpafè ki marye. Se sa k fè Bib la di moun ki marye yo “ap jwenn tribilasyon” pafwa. — 1 Kor. 7:28. w17.04 7 § 14-15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje