BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es19 p. 77-87
  • Out

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Out
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2019
  • Soutit
  • Jedi 1ye out
  • Vandredi 2 out
  • Samdi 3 out
  • Dimanch 4 out
  • Lendi 5 out
  • Madi 6 out
  • Mèkredi 7 out
  • Jedi 8 out
  • Vandredi 9 out
  • Samdi 10 out
  • Dimanch 11 out
  • Lendi 12 out
  • Madi 13 out
  • Mèkredi 14 out
  • Jedi 15 out
  • Vandredi 16 out
  • Samdi 17 out
  • Dimanch 18 out
  • Lendi 19 out
  • Madi 20 out
  • Mèkredi 21 out
  • Jedi 22 out
  • Vandredi 23 out
  • Samdi 24 out
  • Dimanch 25 out
  • Lendi 26 out
  • Madi 27 out
  • Mèkredi 28 out
  • Jedi 29 out
  • Vandredi 30 out
  • Samdi 31 out
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2019
es19 p. 77-87

Out

Jedi 1ye out

Se pa jan m vle, men se jan w vle. — Mat. 26:39.

Pou n vin bon anseyan, toudabò, nou dwe se bon etidyan (1 Tim. 4:15, 16). Menm jan an tou, moun Bondye bay otorite pou bay disiplin yo dwe dispoze kontinye soumèt tèt yo devan direksyon Jewova bay. Lè yo soumèt tèt yo avèk imilite konsa, sa ap fè lòt moun respekte yo e sa ap fè yo alèz pou yo pale lè y ap bay lòt moun fòmasyon oswa koreksyon. Ann pran egzanp Jezi. Jezi te toujou obeyi Papa l, menm nan moman kote l te difisil anpil pou l fè sa. Epitou, li te fè konnen se nan Papa l sa l te konn anseye yo ak sajès li te genyen an soti (Jan 5:19, 30). Lefètke Jezi te gen imilite e l te obeyisan sa te atire moun ki gen bon kè yo vin jwenn li e sa te ede l vin yon bon anseyan ki gen konpasyon (Mat. 11:29). Bon pawòl li te konn di yo te touche kè moun yo ki te tankou wozo ki panche oswa ki te tankou mèch lanp ki prèt pou etenn (Mat. 12:20). Menm lè pasyans Jezi te pase anba eprèv, li te demontre bonte ak lanmou. Sa te parèt klè lè l te korije apot li yo paske yo te montre yo gen yon atitid egoyis e yo te gen anbisyon. — Mak 9:33-37; Lik 22:24-27. w18.03 26 § 15-16.

Vandredi 2 out

Sa k te pase a se yon senbòl ki koresponn ak batèm nan k ap sove nou tou kounye a. — 1 Pyè 3:21.

Pyè t ap pale konsènan konstriksyon lach Noye a. Lach la se te bonjan prèv ki montre Noye te vwe tèt li pou l fè volonte Bondye. Noye te fè travay Jewova te ba l fè a fidèlman. Vrèmanvre, aksyon vizib sa yo Noye te fè ki montre l gen lafwa te pèmèt li menm ak fanmi l sove lè delij la. Menm jan lach la se yon prèv ki montre Noye te gen lafwa, se konsa tou, lè yon moun batize devan lòt moun li bay yon prèv ki vizib. Li montre yon kretyen te vwe Jewova lavi l sou baz lafwa l genyen nan Kris la. Menm jan ak Noye, disip ki vwe Bondye lavi yo fè travay Bondye ba yo fè a avèk obeyisans. Menm jan Noye te sove lè delij la, moun ki fidèl ki batize yo pral sove lè monn mechan ki la kounye a rive nan bout li (Mak 13:10; Rev. 7:9, 10). Se sa k fè ve ak batèm se yon bagay ki enpòtan anpil. Yon moun k ap voye batèm li pou pita san nesesite riske pèdi posiblite l genyen pou l viv pou toutan an. w18.03 4 § 3-4.

Samdi 3 out

Bagay moun sòt mare byen di nan kè yon timoun. — Pwo. 22:15.

Gen kèk paran ki ka di tèt yo: ‘Depi pitit mwen an pa batize, yo pap ka eskominye l.’ Ki sa k fè yon rezònman konsa pa bon (Jak 1:22)? Nou konprann li nòmal dèske paran ki kretyen yo pa ta renmen pitit yo batize anvan yo gen ase matirite pou yo fè yon ve ki valab. Men, se t ap yon erè pou yo ta panse lè yon timoun pa batize sa fè l pa gen kont pou l rann Jewova. Sa k fè sa? Se pa lè yon moun batize li gen kont pou l rann Jewova. Okontrè, yon timoun gen kont pou l rann Bondye lè l konnen sa ki byen ak sa ki mal nan je Jewova (Jak 4:17). Kidonk, olye pou paran ki gen sajès yo pa ankouraje pitit yo batize, yo fè gwo efò pou yo bay bon egzanp. Yo vle ede pitit yo vin gen anpil apresyasyon pou prensip moral wo nivo Jewova yo depi yo toupiti (Lik 6:40). Yon apresyasyon konsa se pi bon pwoteksyon an paske sa ap ankouraje pitit ou pou l suiv chemen Jewova yo ki dwat. — Eza. 35:8. w18.03 11 § 12-13.

Dimanch 4 out

Noye t ap mache avèk vrè Dye a. — Jen. 6:9.

Noye te kontinye fè sa pandan 350 ane ankò apre delij la (Jen. 9:28). Ala yon bèl egzanp ki demontre lafwa ak obeyisans! Nou ka demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Noye lè n soutni jistis Bondye, lè n pa fè pati monn Satan an ak lè n kontinye met enterè Wayòm nan an premye (Mat. 6:33; Jan 15:19). Se sèten, moun nan monn nan pa dakò ak fason n ap viv la. Vrèmanvre, menm depi kounye a, pozisyon fèm nou pran pou lwa Bondye yo, tankou sa ki gen rapò ak maryaj ansanm ak moralite nan domèn seksyèl, lakòz moun pale nou mal nan kèk peyi (Mal. 3:17, 18). Sepandan, menm jan ak Noye, nou gen lakrentif pou Jewova, nou pa pè lèzòm. Nou konnen se li menm sèl ki ka bay lavi ki pap janm fini an (Lik 12:4, 5). Men, e ou menm pèsonèlman? Èske w ap kontinye ‘mache avèk Bondye’ menm lè lòt moun ap pase w nan rizib oswa y ap kritike w oswa lè lafwa w gen nan Sila a ki ba w tout bagay la ap sibi eprèv akoz pwoblèm ou gen nan domèn ekonomik? Si w demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Noye, ou mèt gen konfyans Jewova ap pran swen w. — Flp. 4:6, 7. w18.02 4 § 4, 8; 5 § 9-10.

Lendi 5 out

Yon moun ki kite dezi l mennen l pa aksepte bagay ki gen rapò ak lespri Bondye. — 1 Kor. 2:14.

Atitid ki plis parèt lakay moun nan monn nan santre sou dezi lachè. Pòl te pale de atitid sa a antanke “lespri k ap aji kounye a nan moun ki dezobeyisan yo”. (Efe. 2:2.) Lespri sa a enfliyanse pifò moun e l pouse yo vin gen menm atitid ki se: annik suiv pifò moun. Kòm konsekans, pifò nan yo fè sa yo santi ki dwat nan je yo e yo pa fè okenn efò pou yo viv ann amoni ak prensip Bondye yo. Byen souvan, sa k plis enterese yon moun ki kite dezi l mennen l se chèche gen renome ak kouri dèyè bagay materyèl oubyen se defann sa l panse ki dwa l. Moun k ap pratike nenpòt nan “zèv lachè yo” fè pati kategori moun sa yo (Gal. 5:19-21). Sa gen ladan l: simen divizyon, patipri, ankouraje rebelyon, al nan jijman youn ak lòt, manke respè pou moun ki alatèt yo epi pa gen metriz nan manje ak bwè. Lè moun ki fikse lespri l sou dezi lachè a jwenn tantasyon, li febli e l tonbe nan tantasyon an. — Pwo. 7:21, 22. w18.02 19 § 3-5.

Madi 6 out

Moun yo ap [...] renmen plezi. — 2 Tim. 3:2, 4.

Pa gen anyen mal pou yon moun gen yon pwennvi ekilibre sou plezi. Jewova pa vle pou n neglije tèt nou oswa pou n pa patisipe nan bonjan aktivite ki bay kè kontan. Men ki ankourajman Bib la bay moun ki fidèl yo: “Ale, manje manje w ak kè kontan, epi bwè diven w ak kè kontan.” (Ekl. 9:7). Nan 2 Timote 3:4 yo pale konsènan moun k ap chèche plezi e ki bliye Bondye. N ap remake vèsè a pa di moun yo t ap renmen plezi plis pase yo renmen Bondye, sa ki t ap vle di yo renmen Bondye kanmenm. Vèsè a di “olye yo renmen Bondye”. Men sa yon biblis te ekri: “Se sèten [vèsè] sa a pa vle di yo renmen Bondye nan yon sans tou. Li vle di yo pa renmen Bondye ditou.” Ala yon avètisman ki frapan pou moun ki renmen plezi depase limit yo! Ekspresyon ki di “y ap renmen plezi” a byen tonbe pou dekri moun ki kite “plezi ki gen nan lavi sa a pran tèt yo”. — Lik 8:14. w18.01 25 § 14-15.

Mèkredi 7 out

Onore Jewova avèk sa w genyen ki gen valè yo. — Pwo. 3:9.

Jewova se yon Dye ki renmen bay. Se li menm ki ban nou tout sa n genyen. Tout lò ak ajan ki genyen yo ansanm ak tout lòt resous natirèl ki gen sou tè a se pou Jewova, e l itilize yo pou ban nou sa k nesesè pou n ret an vi (Sòm 104:13-15; Aje 2:8). Jewova te fè 40 an ap bay nasyon Izrayèl la lamàn ak dlo pandan yo te nan dezè a (Egz. 16:35; Ney. 9:20, 21). Pa mwayen pwofèt Elize, Jewova te fè yon mirak kote l te fè yon ti luil yon vèv fidèl te genyen vin anpil. Kado Bondye te bay vèv la te pèmèt li peye dèt li te genyen yo, epi apre sa, li te gen ase lajan pou l kontinye viv ak pitit gason l yo (2 Wa 4:1-7). Grasa èd Jewova, Jezi te fè mirak pou l bay moun manje e l te menm bay lajan lè sa te nesesè (Mat. 15:35-38; 17:27). Sa Jewova posede yo san limit e yo ka pèmèt kreyati l yo sou tè a kontinye egziste. Men aktout sa, li ankouraje sèvitè l yo pou yo sèvi ak bagay materyèl yo genyen pou soutni travay òganizasyon l lan ap fè a. — Egz. 36:3-7. w18.01 17 § 1-3.

Jedi 8 out

O Jewova, se pou w pran lavi m kounye a. — 1 Wa 19:4.

Bib la montre sèvitè fidèl nan tan lontan yo te konn santi yo about souvan (Jòb 7:7). Sepandan, olye yo te bay legen, yo te konte sou Jewova pou yo jwenn fòs. Yo pa t regrèt yo te fè sa, paske Bondye nou an ‘bay moun ki fatige yo fòs’. (Eza. 40:29.) Malerezman, nan epòk nou an, gen kèk moun nan pèp Bondye a ki panse pi bon fason pou yo fè fas ak presyon yo jwenn nan lavi a se lè yo swadizan ‘pran yon poz nan laverite’, kòmsi aktivite n ap fè antanke kretyen an se yon chay pou yo olye l se yon benediksyon. Konsa, yo sispann li Pawòl Bondye a, yo sispann asiste reyinyon kongregasyon an e yo sispann patisipe nan travay predikasyon an, egzakteman jan Satan atann y ap fè a. Dyab la byen konnen lè n bay tout nou menm nan aktivite kretyen yo sa ka ban nou fòs, e l pa vle nou vin djanm. Se sa k fè, lè n santi nou fèb nan domèn fizik ak afektif, pinga nou vire do bay Jewova. Chèche vin pi pwòch avè l paske “l ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm”. — 1 Pyè 5:10; Jak 4:8. w18.01 7-8 § 2-3.

Vandredi 9 out

Jewova [...] fè moun desann nan Tonm e li leve moun. — 1 Sam. 2:6.

Pwofèt Elize te fè dezyèm rezirèksyon yo rapòte nan Ekriti yo. Nan vil Chounèm, gen yon dam izrayelit tout moun te byen konnen ki te byen akeyi Elize. Pa mwayen pwofèt la, Bondye te fè dam sa a ansanm mari l ki te fin granmoun e ki pa t gen pitit vin gen yon pitit gason. Kèk ane apre, tigason an te mouri. Imajine jan manman an te nan gwo lapenn. Avèk pèmisyon mari l, li te fè anviwon 30 kilomèt ap vwayaje pou l al kot Elize sou Mòn Kamèl. Pwofèt la te fè Geyazi, sèvitè l la, al nan vil Chounèm anvan yo. Geyazi pa t kapab resisite tigason an ki te mouri. Apre sa, manman an ki te nan lapenn te vin rive ansanm ak Elize (2 Wa 4:8-31). Elize te ret bò kot kadav la ki te nan kay la nan vil Chounèm e l te pran priye. Grasa yon mirak, tigason an ki te mouri te retounen viv ankò e l te vin ansanm ak manman l ki te kontan anpil (2 Wa 4:32-37)! Vrèmanvre, Bondye te leve tigason nan vil Chounèm nan toutbon, e sa montre l gen kapasite pou l resisite moun. w17.12 4 § 7-8.

Samdi 10 out

Bagay moun sòt mare byen di nan kè yon timoun. — Pwo. 22:15, nòt.

Li toutafè lojik pou sajès, ki se kontrè sòt, se yon prèv ki montre yon moun gen matirite. Se pa laj yon moun ki premye bagay k ap fè konnen li gen matirite nan domèn espirityèl, men, se bonjan krent li gen pou Jewova ak lè l toujou pare pou l obeyi kòmandman Jewova yo (Sòm 111:10). Jèn ki gen matirite toutbon nan domèn espirityèl yo pa kite dezi yo genyen oswa presyon lòt jèn ap fè sou yo fè yo “fè ale vini tankou se lanm lanmè k ap balanse [yo] adwat agoch”. (Efe. 4:14.) Okontrè, yo kontinye fè pwogrè lè yo “antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan” pou yo aprann “fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal”. (Ebre 5:14.) Yo montre y ap pwogrese pou yo vin gen matirite lè yo pran desizyon avèk sajès. Li nesesè pou yon moun gen kalite sajès sa a k ap pèmèt li delivre (Pwo. 24:14). Kidonk, asire w ou byen anseye pitit ou prensip ou genyen ki baze sou Bib la. Nan pawòl ou ak nan egzanp ou, montre yo ou suiv prensip ki nan Pawòl Bondye a. — Wom. 2:21-23. w17.12 20-21 § 12-13.

Dimanch 11 out

Kontinye mache avèk sajès parapò ak moun ki deyò yo [...] Konnen jan nou dwe reponn chak moun. — Kol. 4:5, 6.

Lide ki fè kwè lèzòm ka rezoud pwòp pwoblèm yo ka parèt atiran pou anpil moun. Poukisa? Se paske si se vre, sa t ap vle di lèzòm pa bezwen konsèy nan men Bondye e yo ka fè sa yo vle. Mete sou sa, moun ka anvi dakò ak ide ki fè kwè lèzòm ka rezoud pwòp pwoblèm yo paske, selon sa kèk etid fè konnen, lagè, krim, maladi ak povrete ap diminye. Men sa yon rapò fè konnen: “Rezon ki fè monn nan ap vin pi bon se paske lèzòm deside fè l vin pi bon.” Si w konn youn nan panse monn nan ki sanble ka bay lafwa w pwoblèm, fè rechèch sou sa Pawòl Bondye a di sou sijè a epi pale sou sa ak yon kretyen parèy ou ki gen matirite. Egzamine rezon ki fè panse sa a ka parèt atiran, rezon ki fè l pa bon ak fason w ka rejte l. Vrèmanvre, nou tout ka pwoteje tèt nou kont panse monn nan lè n suiv konsèy Pòl te bay nan tèks pou jounen an. w17.11 24 § 14, 17.

Lendi 12 out

O Bondye, mwen di w mèsi dèske mwen pa tankou lòt moun yo. — Lik 18:11.

Poukisa Farizyen yo pa t dispoze demontre mizèrikòd? Bib la di se paske yo “pa t pran lòt moun pou anyen”. (Lik 18:9-14.) Imite Jewova, pa imite Farizyen yo. Demontre konpasyon (Kol. 3:13). Youn nan fason w ka fè sa se lè w fè l fasil pou lòt moun jwenn padon nan men w (Lik 17:3, 4). Mande tèt ou: ‘Èske moun ki peche kont mwen an, menmsi se plizyè fwa, rive jwenn padon nan men m? Èske m chofe pou m fè lapè ak moun ki te ofanse m oswa ki te blese santiman m?’ Youn nan bagay k ap montre n gen imilite toutbon se lè n padone lòt moun. Farizyen yo te echwe nan domèn sa a paske yo te konsidere lòt moun pi ba pase yo. Men, antanke kretyen, avèk imilite, nou dwe “konsidere lòt moun yo siperyè nou” e yo merite pou n padone yo (Flp. 2:3). Èske n ap imite Jewova e n ap demontre imilite? Kite “wout” k ap pèmèt ou padone moun nan ouvri e kenbe l an bon eta. Se pou w prese demontre mizèrikòd e pa kouri fache. — Ekl. 7:8, 9. w17.11 14-15 § 6-8.

Madi 13 out

Li bon pou nou chante louwanj pou Bondye nou an. — Sòm 147:1.

Ou ka santi w jennen lè w konpare vwa w ak vwa lòt moun. Sepandan, sa pa ta dwe anpeche w pran responsablite w genyen pou w chante louwanj pou Jewova. Okontrè, ou ta dwe kenbe liv kantik ou a byen wo, leve tèt ou epi chante ak tout kè w (Esd. 3:11)! Jodi a, nan anpil Sal Wayòm, yo konn pase pawòl kantik yo sou ekran, e sa ede n chante pi fò. Li enteresan tou pou n note chante kantik Wayòm yo vin fè pati pwogram fòmasyon yo bay ansyen yo nan Lekòl ministè Wayòm nan. Sa montre enpòtans pou ansyen yo pran latèt lè y ap chante nan kongregasyon an. Youn nan bagay ki anpeche anpil moun chante byen fò se paske yo pè. Yo ka pa ta renmen lòt moun wè yo pa gen bèl vwa. Men, nou dwe sonje “nou tout nou bite tanzantan” lè n ap pale (Jak 3:2). Epoutan, sa pa fè n sispann pale. Kidonk, poukisa pou n kite vwa nou ki pa pafè anpeche n fè louwanj pou Jewova lè n ap chante? w17.11 4-5 § 9-10.

Mèkredi 14 out

Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa [Jewova], Bondye nou an, ban nou lòd fè. — Zak. 6:15, Bib la.

Pwofèt Zakari te gen anpil bagay k ap pase nan tèt li lè l te fin fè setyèm vizyon l lan. Jewova te bay garanti l ap pini tout moun k ap aji yon fason malonèt akoz move aksyon y ap fè. Se sèten pwomès sa a te fòtifye Zakari. Men, pa gen anyen ki te chanje vre. Moun yo te toujou ap aji yon fason malonèt, yo te toujou ap fè move bagay, e travay rekonstriksyon tanp Jewova a potko prèt pou l fini. Ki jan Juif yo te fè vire do bay travay Jewova te konfye yo a vit konsa? Èske yo te tounen nan peyi yo senpleman pou yo regle zafè pa yo? Jewova te konnen sa pèp li a bezwen. Bondye te bay Zakari yon dènye vizyon pou l te ka bay Juif yo asirans Li renmen yo e Li apresye tout sa yo fè, epitou, Li te ba yo garanti l ap pwoteje yo si yo retounen nan travay Li a. Anrapò ak travay rekonstriksyon tanp lan, Jewova te fè pwomès nou jwenn nan tèks pou jounen an. w17.10 26 § 1; 27 § 5.

Jedi 15 out

Bondye [...] fòtifye nou [...], li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. — Flp. 2:13.

Gason ki gen kouraj yo e ki dispoze gen plis responsablite yo se yon benediksyon pou kongregasyon an (1 Tim. 3:1). Men, gen kèk ki ka renka pou yo aksepte responsablite. Yon frè gendwa te fè kèk erè lontan, e kounye a, li santi li pa merite pou l sèvitè ministeryèl oswa ansyen. Yon lòt frè gendwa santi li pa kalifye pou l fè yon travay yo ba l fè. Si w santi w konsa, Jewova ka ede w vin gen plis kouraj (Flp. 4:13). Sonje, te gen yon lè, Moyiz pa t santi l kalifye pou l fè yon travay Bondye te voye l fè (Egz. 3:11). Poutan, Jewova te ede l, e pi devan, Moyiz te vin mete kouraj sou li pou l fè travay la. Menm jan an tou, yon frè ki batize ka vin gen plis kouraj lè l priye ak tout kè l pou l jwenn èd Bondye, e lè l li Bib la chak jou. Epi, lè l medite sou istwa moun ki te demontre kouraj, sa ap ede l tou. Avèk imilite, li ka mande ansyen yo pou yo ba l fòmasyon e l ka met tèt li disponib pou l ede kèlkeswa fason y ap bezwen l lan. w17.09 32 § 19.

Vandredi 16 out

Pawòl Bondye nou an la pou toutan. — Eza. 40:8.

Jodi a, kretyen yo pa bezwen ap mande tèt yo si se Bondye ki te enspire travay ki te fèt pou tradui Septant lan, Bib Wycliffe la, Labib Wa Jak la oswa nenpòt lòt tradiksyon Labib. Sepandan, lè n li istwa tradiksyon sa yo ansanm ak anpil lòt tradiksyon ki te parèt, sa fè n vin gen konviksyon sa a: Jan Jewova te pwomèt la, Pawòl li a rete la. Èske sa pa fè n vin gen plis lafwa tout pwomès Jewova fè yo ap reyalize tou (Joz. 23:14)? Lè n egzamine fason Bib la rete la pandan anpil anpil ane, nonsèlman sa fè n vin gen plis lafwa, men tou, sa fè n vin gen plis lanmou pou Jewova. Dayè, poukisa l te bay Pawòl li a okòmansman? E poukisa l te bay garanti Pawòl li a t ap rete la? Se paske l renmen nou e l vle anseye nou pou byen nou (Eza. 48:17, 18). Natirèlman, li toutafè nòmal pou n reyaji devan lanmou Jewova gen pou nou an lè n renmen l tou e l lè n obeyi kòmandman l yo. — 1 Jan 4:19; 5:3. w17.09 21-22 § 13-14.

Samdi 17 out

Onore papa nou ak manman nou. — Efe. 6:2.

Li ka sitou difisil pou w bay pitit ou fòmasyon pou yo obeyi lòd sa a si moun ou marye avè l la pa kwayan. Bay egzanp lè w onore moun ou marye avè l la. Met aksan sou bèl kalite mari w oswa madanm ou genyen, epi montre w apresye l. Evite di bagay ki negatif sou moun ou marye avè l la devan pitit ou. Okontrè, esplike pitit ou se chak moun ki dwe chwazi si y ap sèvi Jewova. Bon konduit pitit ou genyen ka atire paran ki pa kwayan an nan vrè adorasyon an. Gen kèk mari ki ka entèdi madanm yo ki kretyèn etidye Labib ak pitit yo oswa mennen yo nan reyinyon. Menm nan ka sa a, yon madanm ki kretyèn ap fè sa l kapab pou l anseye pitit li verite ki nan Bib la (Tra. 16:1; 2 Tim. 3:14, 15). Toutpandan madanm nan ap respekte desizyon mari l pran, madanm nan kapab toujou pale de lafwa l devan pitit li lè l jwenn okazyon fè sa, konsa, l ap ba yo fòmasyon nan domèn moral ak konesans sou Jewova. — Tra. 4:19, 20. w17.10 14 § 9-10.

Dimanch 18 out

Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen. — Efe. 5:1.

Lèzòm fèt pòtre ak Bondye. Konsa, piske Jewova gen kè sansib, demontre enterè pou byennèt lòt moun se yon bagay ki anrasinen byen fon lakay lèzòm. Menm moun ki pa konn vrè Dye a konn demontre kè sansib souvan (Jen. 1:27). Nou jwenn anpil istwa nan Bib la kote gen moun ki te demontre kè sansib. Sonje istwa konsènan de pwostitye ki t ap fè diskisyon devan Salomon pou konnen kiyès nan yo ki te vrè manman yon timoun. Lè Salomon te teste yo lè l te bay lòd pou yo koupe tibebe a fè de bò, sa te touche vrè manman an ki te gen kè sansib. Sa te pouse l aji, e l te menm reziyen l pou l bay lòt dam nan pitit la (1 Wa 3:23-27). Oubyen, sonje pitit fi Farawon an ki te sove lavi Moyiz ki te tibebe. Aktout li te konnen tibebe l te jwenn nan se te pitit Ebre yo e yo te dwe touye l, “kè l [te] fè l mal pou li” e l te deside leve timoun nan kòm pwòp pitit li. — Egz. 2:5, 6. w17.09 8-9 § 2-3.

Lendi 19 out

[Jewova] pran pasyans avèk nou. — 2 Pyè 3:9.

Tout vrè adoratè Jewova yo dwe gen imilite e sa ap fè yo jwenn gwo rekonpans (Pwo. 22:4). Lè n gen imilite, sa pèmèt nou kontribye pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an. Mete sou sa, lè n chèche gen imilite epi n demontre l plis toujou, sa fè n tounen veso Bondye ap itilize pou favè san parèy li a. Apot Pyè te di: “Se nou tout ki pou abiye nou ak imilite nan relasyon nou youn ak lòt, paske Bondye kont moun ki gen ògèy yo, men li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la.” (1 Pyè 5:5). Nan monn jodi a, byen souvan, yo konsidere moun ki gen dousè ak pasyans yo kòm moun ki fèb. Rezònman sa a pa gen anyen pou l wè ak laverite! Bèl kalite sa yo sot nan Sila a ki gen plis pisans nan linivè a. Se Jewova Dye ki bay pi bèl egzanp nan demontre dousè ak pasyans. Reflechi ak fason l te aji pa mwayen zanj ki te reprezante l yo lè Abraram ak Lòt te poze l kesyon (Jen. 18:22-33; 19:18-21). Mete sou sa, Jewova te fè plis pase 1 500 an ap sipòte nasyon Izrayèl la ki te rebèl. — Eze. 33:11. w17.08 25 § 13-14.

Madi 20 out

Lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou. — Flp. 4:7.

Priye, apre sa, w ap jwenn lapè Bondye. Men, n ap remake “lapè Bondye [...] depase tout sa moun ka konprann”. Sa sa vle di? Gen kèk tradiktè ki mete “depase tout rèv” oswa “depase tout sa lèzòm planifye” pou yo tradui ekspresyon sa a. An reyalite, Pòl te vle di “lapè Bondye” pi estrawòdinè pase sa moun ka imajine. Antanke moun, nou ka pa wè fason n ap soti nan pwoblèm nou yo, men, Jewova wè, e li ka fè sa n pa atann (2 Pyè 2:9). Ki jan n ka ap fè fas ak difikilte e pou n toujou kontinye gen “lapè Bondye”? Se lè n kenbe yon bon relasyon ak Jewova, Bondye nou an. Yon relasyon konsa posib sèlman “pa mwayen Kris Jezi” ki te bay lavi l kòm ranson. Ranson an se youn nan bèl dispozisyon Papa nou an pran an favè nou. Jewova sèvi ak ranson an pou l kouvri peche nou, sa ki pèmèt nou gen yon konsyans ki klè pou n ka pwoche bò kote l. — Jan 14:6; Jak 4:8; 1 Pyè 3:21. w17.08 10 § 7; 12 § 15.

Mèkredi 21 out

Lapenn yon moun se nan kè l li ye. Konsa tou, pèsonn lòt moun pa ka konprann lajwa yon moun gen nan kè l. — Pwo. 14:10.

Pafwa, se moun ki nan lapenn nan sèlman ki konnen jan l ap soufri e l ka difisil pou l esplike sa l santi. Menm lè yon moun di ki jan l santi l, li pa toujou fasil pou lòt moun konprann sa l ap eseye di a. Kidonk, nou konprann li ka difisil pou n konn ki sa pou n di yon moun ki nan gwo lapenn. Byen souvan, pi bon bagay ou ka fè se “kriye ak moun k ap kriye”. (Wom. 12:15.) Si w twouve l difisil pou w pale ak yon moun fasafas, li ka pi fasil pou w konsole l lè w ekri l yon kat, yon imel, yon mesaj tèks oswa yon lèt. Ou ka annik ekri l yon ti nòt ki gen yon vèsè ki rekonfòtan, ou ka fè l sonje kèk bagay sou moun ki mouri a oswa kèk kalite l te genyen, oubyen w ka fè l sonje yon bagay ki te fè w plezi. Pa janm souzestime enpòtans sa genyen pou w priye ak yon kretyen parèy ou ki gen moun pa l ki mouri oswa pou w priye pou li. w17.07 14-16 § 13-16.

Jedi 22 out

Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l. — Mat. 19:6.

E si maryaj ou ta pi difisil pase sa w te atann? Ann sipoze sa ta menm fè w desi. Fè yon ti reflechi sou fason Jewova te konn aji ak nasyon Izrayèl la. Li te pale de tèt li antanke yon mari pou ansyen nasyon sa a (Eza. 54:5; 62:4). Se pa ti difikilte ki te gen nan “maryaj” sa a! Poutan, Jewova pa t kouri kite sa. Li pa t sispann fè nasyon an mizèrikòd e l pa t sispann montre l fidèl ak alyans li te fè avèk yo a (Sòm 106:43-45). Èske yon lanmou fidèl konsa pa fè n anvi vin pwòch ak Jewova? Menm jan an tou, moun ki marye ki renmen fason Jewova aji yo chèche imite l. Yo pa chèche yon mwayen ki pa biblik pou yo soti nan pwoblèm yo jwenn nan maryaj yo. Yo rann yo kont Jewova mete yo anba menm jouk e li vle pou yo “atache” youn ak lòt. Sèl rezon Bib la bay pou yon moun divòse e pou l lib pou l remarye se imoralite seksyèl (Mat. 19:5, 9). Lè kretyen yo fè tout sa yo kapab nan sitiyasyon yo ye a e yo menm chèche amelyore l, yo soutni fason Jewova dirije a ki jis. w17.06 31 § 17-18.

Vandredi 23 out

Je n ap ouvri e n ap vin menm jan ak Bondye. — Jen. 3:5.

Satan Ledyab te soulve kesyon konsènan dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an. Li fè konnen fason Jewova dirije a pa bon e Jewova anpeche kreyati l yo jwenn sa ki pi bon an. Selon sa Dyab la fè konnen, lèzòm t ap pi kontan e yo t ap pi alèz lontan si se yo menm ki t ap dirije tèt yo (Jen. 3:1-4). Mete sou sa, Satan pretann kèlkeswa moun nan ap rejte dominasyon Jewova lè l ap fè fas ak gwo eprèv (Jòb 2:4, 5). Jewova kite ase tan pase pou lèzòm wè move eksperyans sa bay lè yon moun pap viv anba dominasyon l. Nòmalman, Jewova konnen akizasyon Dyab la lage sou do l yo se manti. Donk, poukisa Bondye chwazi kite pwoblèm nan kontinye, e poukisa l bay Satan tan pou l eseye pwouve sa l di yo? Repons lan konsène ni lèzòm ni zanj yo (Sòm 83:18). Dayè, premye mesyedam yo te rejte dominasyon Jewova, e se sa anpil moun fè depi lè sa a. Sa ka fè kèk moun mande tèt yo si petèt sa Dyab la vle fè konprann nan pa laverite. w17.06 22-23 § 3-4.

Samdi 24 out

Ale, [...] fè disip pami moun tout nasyon. — Mat. 28:19.

Travay fè disip la se yon fòmasyon ki aprann ou vin gen bon abitid travay, byen kominike ak lòt moun, gen konfyans nan tèt ou epi gen tak (Pwo. 21:5; 2 Tim. 2:24, nòt). Men sitou, travay fè disip la ba w kè kontan paske l ede w vin pi abitye ak bagay nan Ekriti yo ki fè w gen lafwa. Anplis de sa, ou aprann ki jan pou w travay kòtakòt ak Jewova (1 Kor. 3:9). Ou ka pran plezi nan travay fè disip la menmsi se kèk moun nan tèritwa w la ki byen reyaji devan bon nouvèl la. Travay fè disip la se yon travay ki fèt ann ekip. Se tout moun nan kongregasyon an k ap chèche moun ki gen kè sensè yo. Menm lè se yon sèl frè oswa yon sèl sè ki gendwa jwenn yon moun ki vin yon disip finalman, se tout moun ki te kontribye pou chèche l e yo tout ka gen kè kontan. Pa egzanp, Brandon te pase nevan ap sèvi kòm pyonye nan yon tèritwa kote moun yo pa enterese. Men sa l di: “Se vre m pa janm jwenn yon moun nan tèritwa a ki fè pwogrè pou l batize, men, gen lòt moun ki jwenn. M kontan dèske m te planifye pou m patisipe plis toujou nan travay fè disip la.” — Ekl. 11:6. w17.07 23 § 7; 24 § 9-10.

Dimanch 25 out

Figi l pa t tris ankò. — 1 Sam. 1:18.

Ana, pa t ka fè pitit alòske Penina, lòt madanm Èlkana a, te gen anpil pitit (1 Sam. 1:4-7). “Chak ane”, Penina te konn fawouche Ana. Sa te boulvèse Ana anpil e l te nan gwo lapenn. Li te chèche jwenn soulajman lè l te pale ak Jewova sou pwoblèm li nan lapriyè (1 Sam. 1:12). Li te gen konfyans swa Jewova t ap fè l vin ka fè pitit, swa l t ap konble bezwen sa a yon lòt fason. Toutotan nou enpafè e n ap viv nan sistèm sa a ki anba pouvwa Satan, n ap kontinye jwenn eprèv ak tribilasyon (1 Jan 5:19). Men, li vrèman bon pou n konnen Jewova se “Bondye tout konsolasyon an”! (2 Kor. 1:3.) Youn nan fason nou ka jwenn èd pou n fè fas ak eprèv oswa tribilasyon n ap rankontre yo se lè n priye. Ana te ouvri kè l bay Jewova. Menm jan an tou, lè n nan tribilasyon, nou bezwen fè plis pase annik di Jewova sa n santi. Nou bezwen sipliye l, wi, nou bezwen fè l konn sa n santi lè n priye l ak tout kè nou ak anpil fòs. — Flp. 4:6, 7. w17.06 6 § 10-11.

Lendi 26 out

Simon, pitit Jan, èske w renmen m plis pase sa yo? — Jan 21:15.

Men sa Jezi ki resisite e ki te konnen disip li yo pa t pran anyen nan lapèch la te di yo: “‘Lage filè a adwat bato a n ap jwenn kichòy.’ Epi yo lage l, men yo pa t ka rale l monte paske yo te pran yon pakèt pwason.” (Jan 21:1-6). Apre Jezi te fin sèvi yo manje, li vire gad Simon Pyè epi li di l pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Ak ki sa Jezi te vle fè referans? Pyè te atache anpil ak aktivite lapèch la. Donk, sanble Jezi t ap mande l pou ki bagay li gen afeksyon toutbon. Èske Pyè te gen plis afeksyon pou pwason ak biznis lapèch la pase pou Jezi ak bagay Jezi te anseye yo? Men repons Pyè te bay: “Wi Seyè, ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” (Jan 21:15). Se sèten Pyè te respekte pawòl li. Depi lè sa a, li te montre l gen lanmou pou Kris lè l te ret okipe nan travay fè disip la, e lè l te vin yon pilye nan kongregasyon premye syèk la. w17.05 22 § 1-2.

Madi 27 out

Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m? — Ebre 13:6.

Konfyans solid sa a Pòl te gen nan fason Jewova te pran swen l avèk lanmou te ede l andire anba pwoblèm ki gen nan lavi a. Li pa t kite sitiyasyon difisil yo fè l pèdi fòs. Ki sa k te ba l fòs pou l fè sa? Li te kontinye konte sou “Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout eprèv nou yo”. (2 Kor. 1:3, 4.) Kominike ak Bondye nan lapriyè se baz pou yon moun vin gen yon relasyon sere avè l (Sòm 86:3; 1 Tes. 5:17; Wom. 12:12). Lè n rezève ase tan pou n fè Jewova konn panse ak santiman nou genyen ki pi pwofon yo, sa ap fè n vin pi pwòch ak Papa nou ki nan syèl la ki konn “tande lapriyè”. (Sòm 65:2.) Anplis de sa, lè n rive wè jan Jewova reponn priyè nou yo, nou vin gen plis lanmou pou li. Nou vin rann nou kont pi plis toujou “Jewova toupre tout moun ki rele l”. (Sòm 145:18.) Konfyans sa a nou genyen nan fason Jewova pran swen nou avèk lanmou ap ede n fè fas ak lòt bagay ki pral pase lafwa nou anba eprèv. w17.05 19 § 9-10.

Mèkredi 28 out

Jewova [...] wè sa k nan kè yon moun. — 1 Sam. 16:7.

Ki jan w ap reyaji si ansyen yo ta pran yon desizyon ou pa konprann oubyen petèt ou pa dakò avè l? Yon sitiyasyon konsa kapab yon eprèv pou lafwa nou nan Jewova ak nan dispozisyon li pran nan òganizasyon l lan. Si w ta devan yon eprèv konsa, ki jan imilite ap pwoteje w? Ann egzamine de fason li ka fè sa. Premyèman, imilite ap pouse n rekonèt nou pa gen tout detay yo. Kèlkeswa kantite enfòmasyon nou genyen sou yon sitiyasyon, se sèlman Jewova ki ka li sa k nan kè yon moun. Lefètke nou konnen verite sa a moun pa ka konteste, sa ap pouse n gen imilite, pou n rekonèt limit nou, e pou n chanje fason nou wè bagay yo. Dezyèmman, imilite ap ede n soumèt nou e l ap ede n gen pasyans toutpandan n ap tann Jewova repare kèlkeswa enjistis ki te fèt toutbon. Nan sans sa a, men sa yon moun ki saj te ekri: “Sa pap fini byen pou mechan yo e yo pap ka ogmante kantite jou y ap viv la.” (Ekl. 8:12, 13). Vrèmanvre, lè n aji ak imilite, sa pwofitab ni pou nou menm ni pou lòt moun. — 1 Pyè 5:5. w17.04 25-26 § 10-11.

Jedi 29 out

An reyalite, se kidnape yo te kidnape m nan peyi Ebre yo. Epi, isit la, mwen pa fè anyen ki merite pou yo mete m nan prizon. — Jen. 40:15.

Li klè, yo te fè Jozèf enjistis. Epitou, li te fè konnen li pa t koupab pou krim yo te fè mete l nan prizon an. Sou baz sa a, li te mande mesye ki te konn sèvi wa a bwason an pou l pale ak Farawon pou li. Poukisa? Li te fè l konnen objektif li, li te di l: “Pou l ka fè m soti la a.” (Jen. 40:14). Èske pawòl Jozèf te di yo se te pawòl yon moun ki te jis aksepte yon sitiyasyon san l pa t fè anyen pou sa? Non. Li te byen konnen yo te fè l anpil enjistis. Li te esplike mesye ki te konn sèvi wa a bwason an sitiyasyon l byen klè, e petèt, mesye sa a t ap vin nan yon pozisyon kote l t ap ka ede l. Men, n ap remake pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Jozèf te janm di yon moun se frè l yo ki te kidnape l, menm Farawon li pa t di sa. Anfèt, lè frè Jozèf yo te vin ann Ejip e yo te rekonsilye avè l, Farawon te byen resevwa yo, li te envite yo vin abite ann Ejip pou yo ka pwofite “pi bon bagay ki gen nan tout peyi” a. — Jen. 45:16-20. w17.04 20-21 § 12-13.

Vandredi 30 out

Ala anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras chemen l yo! — Wom. 11:33.

Yon rezon ki fè se Jewova ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren se paske l gen konesans ak sajès ki nesesè pou pran swen linivè. Pa egzanp, ann konsidere kapasite Bondye te bay Pitit Gason l lan pou l geri yon seri maladi doktè pa t kapab geri (Mat. 4:23, 24; Mak 5:25-29). Pou Jewova, se pa t mirak bagay sa yo te ye. Li konprann fason lèzòm fèt e l gen kapasite pou l repare tout dega kò lèzòm sibi. Se menm bagay la tou konsènan kapasite Jewova genyen pou l leve moun ki mouri e pou l anpeche katastwòf natirèl. Monn ki anba enfliyans Satan an toujou ap chèche yon mwayen pou l rezoud konfli nasyonal yo ak konfli entènasyonal yo. Se Jewova sèl ki gen sajès pou fè gen lapè nan monn nan (Eza. 2:3, 4; 54:13). Tank n ap konprann konesans ak sajès Jewova genyen, nou santi n menm jan ak apot Pòl ki te di pawòl sa yo Bondye te enspire l pou l ekri, pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. w17.06 28 § 6-7.

Samdi 31 out

Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l. — Mak 10:9.

Anpil moun nan monn sa a pa pran maryaj pou anyen. Lè vin gen pwoblèm nan relasyon yo, yo jis kite sa e yo abandone moun yo marye avè l la. Sepandan, se pa konsa kretyen yo wè maryaj (1 Kor. 7:27). Lè yon moun kraze maryaj li se kòmsi l bay Bondye manti, e Bondye rayi moun k ap bay manti (Lev. 19:12; Pwo. 6:16-19)! Jewova rayi lè moun fè kou trèt epi yo divòse (Mal. 2:13-16). Jezi te anseye sèl rezon yon moun ki marye e ki inosan genyen pou l kraze ve li te fè lè l t ap marye a se si l chwazi pa padone konjwen l ki fè adiltè (Mat. 19:9; Ebre 13:4). Bon, e lè yon moun marye separe ak moun li marye avè l la? Bib la klè sou sa tou (1 Kor. 7:10, 11). Bib la pa bay okenn rezon pou moun ki marye separe. Sepandan, gen kèk kretyen ki marye ki panse gen kèk sitiyasyon ki ba yo rezon pou yo separe, tankou lè youn nan konjwen yo met lavi lòt la oswa relasyon l ak Bondye an danje yon fason ki egzajere swa paske l fè vyolans sou li, swa paske l vin aposta. w17.04 7 § 14-16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje