Septanm
Dimanch 1ye septanm
Leve [timoun] yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay. — Efe. 6:4.
Leve yon timoun nan “disiplin Jewova ak nan avètisman li bay” se youn nan pi gwo privilèj yon paran ki kretyen ka genyen (Sòm 127:3). Kontrèman ak timoun nan nasyon Izrayèl tan lontan an, pitit paran ki kretyen yo pa fèt nan yon nasyon ki vwe bay Jewova. Anplis de sa, yo pa leve jwenn lanmou pou Bondye ak pou laverite kòm eritaj. Depi jou pitit yo fèt la, paran ki kretyen yo ta dwe gen objektif pou yo fè pitit yo vin disip, pou ede yo vin sèvitè Jewova ki vwe lavi yo ba li e ki batize. Ki sa k te ka gen plis enpòtans pase sa? Dayè, se ve chak moun fè, batèm yo ak sèvis fidèl y ap bay Bondye a k ap fè yo gen espwa pou yo resevwa mak k ap pèmèt yo sove pandan gwo tribilasyon ki gen pou vini an (Mat. 24:13). Paran, se pou nou goute lajwa ak satisfaksyon sa bay lè n wè pitit nou vin yon sèvitè Jewova ki vwe lavi l ba li e ki batize. w18.03 12 § 16-17.
Lendi 2 septanm
Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. — 1 Tim. 4:16.
Tout moun ki gen otorite pou bay disiplin ki baze sou Ekriti yo, nan fanmi yo oubyen nan kongregasyon an, montre yo saj lè yo suiv egzanp Kris. Lè yo fè sa, yo montre anvi yo genyen pou yo kite Bondye ak Pitit Gason l lan ba yo fòm. Li t ap difisil pou n rive konte tout byenfè nou jwenn lè n aksepte disiplin Bondye bay e lè n imite Jewova ak Jezi lè n ap bay lòt moun disiplin. Yon bagay ki sèten, sa fè gen bonjan lapè nan fanmi yo ak nan kongregasyon an. Mete sou sa, moun yo santi yo vrèman renmen yo, yo santi yo gen valè e yo santi yo byen, tout sa se yon avangou sou benediksyon ki pral genyen yo (Sòm 72:7). Se sa k fè l pa egzajere pou n di disiplin Jewova bay la aprann nou fason pou n viv pou toutan nan lapè ak nan tèt ansanm antanke yon fanmi ki anba pwoteksyon Papa l (Eza. 11:9). Lè n wè disiplin Bondye bay la fason sa a, n ap pi dispoze apresye l pou sa l ye toutbon an, sètadi yon bèl prèv ki montre lanmou san parèy Bondye gen pou nou. w18.03 26 § 15; 27 § 17, 19.
Madi 3 septanm
Li te batize yo nan Rivyè Jouden an, e yo te konfese peche yo devan tout moun. — Mat. 3:6.
Moun ki t al batize nan men Jan yo te fè sa kòm prèv ki montre yo repanti pou peche yo te fè kont Lwa Moyiz la (Mat. 3:1-6). Sepandan, li enpòtan pou n note batèm ki pi enpòtan Jan te fè a pa t gen anyen pou l wè ak repantans. Jan te gen privilèj san parèy pou l batize Jezi, Pitit Gason Bondye a ki te pafè (Mat. 3:13-17). Piske Jezi te san peche, li pa t bezwen repanti (1 Pyè 2:22). Batèm li te yon senbòl ki montre li te prezante tèt li pou l fè volonte Bondye (Ebre 10:7). Pandan sèvis Jezi sou tè a, disip li yo te batize moun tou (Jan 3:22; 4:1, 2). Menm jan ak batèm Jan te konn fè yo, batèm sa yo te yon senbòl ki montre moun yo te repanti pou peche yo te fè kont Lwa Moyiz la. Men, apre lanmò Jezi ak rezirèksyon l, batèm nan t ap gen yon lòt sans pou moun ki vin disip li yo. w18.03 5 § 6-7.
Mèkredi 4 septanm
Moun ki kite lespri Bondye gide l la egzamine tout bagay. — 1 Kor. 2:15.
Ki lè yon “moun [...] kite lespri Bondye gide l”? Yon moun ki kite lespri Bondye gide l se yon moun ki konte sou Bondye, li pa menm ditou ak yon moun ki kite dezi l mennen l. Moun ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl fè gwo efò pou yo “imite Bondye”. (Efe. 5:1.) Sa vle di yo fè efò pou yo gen menm panse ak Jewova e pou yo wè bagay yo menm jan avè l. Bondye reyèl toutbon pou yo. Kontrèman ak moun ki kite dezi yo mennen yo, yo eseye respekte prensip Jewova yo nan tout sa y ap fè (Sòm 119:33; 143:10). Olye moun ki fikse lespri l sou bagay espirityèl la konsantre l sou zèv lachè, li fè gwo efò pou l demontre “fwi lespri a”. (Gal. 5:22, 23.) Pou n pi byen konprann ekspresyon “fikse lespri sou bagay espirityèl la”, ann reflechi ak konparezon sa a: Lè yon moun maton nan fè komès, yo di li se yon moun ki gen lespri biznis. Menm jan an tou, lè yon moun bay bagay espirityèl yo anpil valè oswa l enterese anpil nan zafè relijyon, yo di li se yon moun ki fikse lespri l sou bagay espirityèl. w18.02 19 § 3, 6.
Jedi 5 septanm
O Dànyèl, ou menm ki gen anpil valè. — Dàn. 10:11.
Dànyèl te ann egzil nan vil Babilòn, yon vil ki te chaje ak idolatri ak pratik ki gen rapò ak movèzespri. Mete sou sa, moun Babilòn yo te konn meprize Juif yo, yo te konn pase ni Juif yo, ni Jewova, Bondye Juif yo t ap sèvi a, nan rizib (Sòm 137:1, 3). Se pa ti mal sa dwe te fè Juif ki te fidèl menm jan ak Dànyèl yo mal! Sa pa t pran tan pou manje ak bwè te vin yon pwoblèm pou Dànyèl paske Dànyèl pa t vle “kontamine tèt li ak bon manje wa a te konn manje”. (Dàn. 1:5-8, 14-17.) Kapasite estrawòdinè Dànyèl te genyen yo, yon seri kapasite ki te fè l jwenn kèk privilèj espesyal, te kapab defi ki te plis parèt anba anba pou li (Dàn. 1:19, 20). Men, olye l te vin awogan e l te panse se opinyon l ki toujou bon, li te kontinye gen imilite e l te konn limit li, li te toujou fè konnen se Jewova ki fè l reyisi (Dàn. 2:30). Anfèt, se pandan Dànyèl te jèn gason toujou Jewova te konsidere l diy pou l site non l kòm moun ki jis, menm jan ak Noye ak Jòb (Eze. 14:14). Èske Bondye te mal fè lefètke l te fè Dànyèl konfyans? Jamè! Dànyèl te ret fidèl e li te obeyisan pandan tout vi l. w18.02 5 § 11-12.
Vandredi 6 septanm
Levi òganize yon gwo resepsyon lakay li pou Jezi. — Lik 5:29.
Jezi te montre li gen yon pwennvi ki byen ekilibre sou plezi. Li t al nan “yon resepsyon maryaj” e l t al nan yon lòt “gwo resepsyon”. (Jan 2:1-10.) Nan maryaj la, li te fè yon mirak pou l fè dlo tounen diven, konsa te vin gen lòt diven, piske sa k te genyen an te fini. Sepandan, Jezi pa t fè plezi vin bagay ki pi enpòtan pou li nan lavi a. Li te met Jewova an premye e l te bay tout li menm san rezèv pou ede lòt moun. Pou anpil moun te ka gen lavi, li te aksepte mouri nan anpil soufrans sou yon poto. Men sa Jezi te di moun ki t ap gen pou suiv li pye pou pye yo: “Nou byennere lè moun joure nou, lè yo pèsekite nou, e lè yo di tout kalite move bagay ki pa vre sou nou poutèt mwen. Nou mèt rejwi e nou mèt kontan anpil, piske nou gen yon gwo rekonpans nan syèl la.” (Mat. 5:11, 12). Si nou renmen Bondye toutbon, nou pap sèlman evite bagay nou konnen ki pap fè l plezi, men tou, n ap evite bagay nou sispèk ki ka pa fè l plezi. — Matye 22:37, 38. w18.01 26 § 16-18.
Samdi 7 septanm
Si yon moun gate yon sèvitè depi l piti, rive yon lè, sèvitè sa a ap vin engra. — Pwo. 29:21.
Nou bay Jewova paske n renmen l e paske n genyen l rekonesans. Se pa ti kontan n kontan lè n reflechi ak tout kantite bagay Jewova fè pou nou. Wa David te rekonèt se Jewova ki ban nou tout sa n resevwa, e kèlkeswa sa n bay Jewova se nan sa l te deja ban nou yo soti (1 Kwo. 29:11-14). Lè n bay, sa bon pou nou. Sa bon pou sante nou lè n se moun ki renmen bay e ki pa renmen resevwa sèlman. Nou ka imajine yon timoun ki pran nan ti kòb paran l ba li epi l achte yon kado pou yo. Se pa ti apresye paran yo ap apresye kado sa a! Yon pitit gason oswa yon pitit fi ki pyonye e k ap viv lakay paran l gendwa bay paran l yon ti kòb pou ede yo nan depans k ap fèt nan kay la. Byenke paran yo ka pa atann sa, yo ka aksepte kado sa yo paske se yon fason pitit la montre l gen rekonesans pou tout sa yo fè pou li. Menm jan an tou, Jewova konnen sa bon pou nou lè n bay nan bagay nou genyen ki gen valè yo. w18.01 18 § 4, 6.
Dimanch 8 septanm
Chwazi lavi pou nou kapab rete an vi, ni nou menm, ni desandan nou yo. — Det. 30:19.
Ou dwe fè plis pase annik di pitit ou sa ki byen ak sa ki mal. L ap bon tou pou w ede yo rezone sou kèk kesyon tankou: ‘Poukisa Bib la kondane yon seri bagay ki ka atire n? Ki sa k konvenk mwen prensip ki nan Bib la toujou pwofitab pou mwen?’ (Eza. 48:17, 18.) Nou ta dwe ede yon timoun ki fè konnen l ta renmen batize pou l rezone sou yon lòt sijè ki se: fason l santi l konsènan responsablite yon moun genyen lè l vin kretyen. Ki byenfè l ap jwenn? Ki sa sa ap koute l? Ki jan byenfè l ap jwenn yo pi plis lontan pase sa sa ap koute l la (Mak 10:29, 30)? Kesyon sa yo se kesyon yon moun ka jwenn apre l fin batize. Se sa k fè l enpòtan anpil pou l reflechi sou yo anvan l franchi etap enpòtan sa a. Lè n ede pitit nou byen reflechi ak bagay sa yo, petèt y ap vin pi anvi gen pwòp konviksyon pa yo. Ki konviksyon konsa? Y ap vin gen konviksyon prensip ki nan Bib la toujou nan enterè yo. w17.12 21 § 14-15.
Lendi 9 septanm
Li rele yo tout nan non yo. — Eza. 40:26.
Gen anpil nan frè ak sè nou renmen anpil yo k ap lite anba maladi grav. Gen lòt, aktout yo gen anpil ane depi yo an sante, y ap pran swen moun nan fanmi yo ki aje. Gen lòt ankò k ap goumen jis pou yo bay fanmi yo sa yo gen bezwen, men yo pap chèche viv nan liks. Epitou, nou konnen gen anpil moun k ap fè fas ak plizyè pwoblèm alafwa! Si Jewova montre l enterese pèsonèlman nan kreyasyon l lan ki pa gen vi, imajine ki jan l santi l konsènan ou menm k ap sèvi l paske w renmen l, men, se pa paske w te pwograme pou w fè sa (Sòm 19:1, 3, 14)! Papa nou ki renmen n anpil la konnen n fen e byen. “Ata branch cheve nan tèt nou li konte.” (Mat. 10:30). Epitou, men ki asirans youn nan moun ki te ekri sòm yo ban nou: “Jewova konnen sa moun ki san repwòch yo ap pase.” (Sòm 37:18). Vrèmanvre, li konn ki eprèv n ap andire e l ka ban n fòs pou n andire yo chak. w18.01 7 § 1; 8 § 4.
Madi 10 septanm
Tabita, leve! — Tra. 9:40.
Pyè te resisite Tabita. Evènman sa a te tèlman frapan sa fè “anpil moun te vin kwè nan Seyè a”. Yo te ka bay temwayaj konsènan Seyè a e sitou konsènan kapasite Jewova genyen pou l leve moun ki mouri (Tra. 9:36-42). Gen lòt moun ki te temwen yon lòt rezirèksyon ki te fèt. Yon lè, apot Pòl t ap fè yon reyinyon nan chanmòt yon kay ki te nan vil Twowas, yon zòn ki nan nòdwès peyi Tiki kounye a. Pòl te ret ap pale rive jis minui. Gen yon jèn gason ki rele Etich ki te chita arebò yon fenèt pou l koute. Men, dòmi te pran l nèt e l sot nan dezyèm etaj la li tonbe anba. Petèt doktè Lik se te premye moun ki te rive bò kot Etich e ki te fè yon konsta medikal: Etich pa t annik blese epi l pèdi konesans, men l te mouri! Pòl te desann anba a, li te pran kadav la nan bra l, e apre sa, li te bay yon gwo nouvèl. Li te di: “Li vivan.” Se pa ti efè sa dwe te genyen sou moun ki te la yo! Piske yo te konn sa k te pase a e yo te wè se te yon rezirèksyon ki fèt, yo “te jwenn anpil konsolasyon”. — Tra. 20:7-12. w17.12 5 § 10-11.
Mèkredi 11 septanm
Vini, vin wè sa Jewova fè. — Sòm 46:8.
Èske lèzòm prèske rezoud pwoblèm k ap fè yo soufri depi byen lontan yo? Se sèten lèzòm pa aprann evite lagè. Gen lòt kalite krim tankou aksyon ki pa legal moun fè sou Entènèt, vyolans nan fanmi ak zak teworis ki kontinye ap ogmante san pran souf. E gen maladi k ap touye moun ki kontinye ap vale teren. Gen yon seri fòs ki egoyis k ap dirije sistèm ekonomik ak sistèm politik la. Sa klè, fòs sa yo pa ka elimine lagè, krim, maladi ak povrete, se sèlman Wayòm Bondye a ki ka fè sa. Ann konsidere sa Jewova pral fè pou lèzòm. Lagè: Wayòm Bondye a ap elimine yon seri bagay ki byen anrasinen nan sistèm sa a ki lakòz lagè, tankou egoyis, koripsyon, patriyotis ak fo relijyon, e l ap elimine Satan tou (Sòm 46:9). Krim: Wayòm Bondye a deja ap anseye plizyè milyon moun fason pou yo gen lanmou e pou yo fè youn lòt konfyans, e pa gen okenn lòt gouvènman ki ka fè sa (Eza. 11:9). Maladi: Jewova ap beni pèp li a, l ap ba yo yon sante ki pafè (Eza. 35:5, 6). Povrete: Jewova ap elimine povrete e l ap bay pèp li a tout sa yo bezwen nan domèn espirityèl ak nan domèn fizik. — Sòm 72:12, 13. w17.11 24 § 14-16.
Jedi 12 septanm
Nou pap koupab pou san moun sa yo. — Det. 19:10.
Youn nan objektif enpòtan vil refij yo te genyen se pwoteje Izrayelit yo pou yo pa t koupab pou san moun. Jewova renmen lavi, e li rayi “moun k ap fè san inosan koule”. (Pwo. 6:16, 17.) Antanke yon Bondye ki gen jistis e ki sen, li pa t ap ka fèmen je l sou yon moun ki touye yon lòt moun, menm lè se yon aksidan. Kontrèman ak Jewova, espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo te montre yo pa t bay lavi enpòtans. Ki jan yo te fè sa? Men sa Jezi te di yo: “Nou retire kle k ap ouvri pòt konesans lan. Nou menm nou pa antre ladan l, e moun k ap antre yo, nou anpeche yo antre!” (Lik 11:52). Yo te sipoze ede lòt moun konprann sans Pawòl Bondye a pou yo te ka mache sou wout k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. Olye de sa, yo te fè moun yo ret lwen Jezi, li menm ki se “Gid prensipal ki pèmèt moun jwenn lavi a”, e yo te fè yo pran chemen k ap mennen nan destriksyon pou toutan an (Tra. 3:15). Piske espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo te fyè de tèt yo e yo te egoyis, yo pa t bay lavi ak byennèt lòt moun enpòtans. Se pa ti mechan yo te mechan e yo te san mizèrikòd! w17.11 15 § 9-10.
Vandredi 13 septanm
Nenpòt moun ki wont fè konnen li se disip mwen [...] mwen menm, Pitit lòm nan, m ap wont di li se disip mwen tou. — Mak 8:38.
Okòmansman, nou gendwa pa t di fanmi n n ap frekante Temwen Jewova yo. Men, toutpandan lafwa n ap grandi, nou te wè l enpòtan pou n pale de kwayans nou. Si pozisyon w pran avèk kouraj la lakòz vin gen pwoblèm ant ou menm ak moun nan fanmi w ki pa Temwen, montre w konprann yo. Byenke verite nou aprann nan Bib la ka ban nou anpil kè kontan, fanmi nou ka fè erè lè yo panse yo twonpe n oswa nou antre nan yon sèk. Yo ka panse n pa renmen yo ankò paske n pa fete yon seri fèt ak yo. Yo ka menm pè pou byennèt etènèl nou. Nou dwe montre n konprann yo lè n eseye wè bagay yo jan yo wè yo e lè n byen koute yo pou n ka wè ki pwoblèm yo genyen vre (Pwo. 20:5). Apot Pòl te fè tout sa l kapab pou l konprann “tout kalite moun” pou l te ka ba yo bon nouvèl la, e lè n suiv metòd sa a sa kapab ede n tou. — 1 Kor. 9:19-23. w17.10 15 § 11-12.
Samdi 14 septanm
Chante louwanj pou [Jewova]. — Sòm 33:2.
Petèt nou ka pa anvi chante paske n pa fin konnen fason nou dwe chante. Sepandan, nou ka amelyore jan n chante lè n suiv kèk konsèy senp. Ou ka aprann chante avèk fòs e byen fò lè w byen respire. Menm jan kouran fè yon anpoul limen, lè w respire sa bay vwa w fòs lè w ap pale oswa lè w ap chante. Ou ta dwe chante nan menm volim vwa ou pale oswa menm pi fò pase sa. Anfèt, lè Bib la ap pale de chante louwanj, li konn ankouraje adoratè Jewova yo pou yo “rele byen fò”. (Sòm 33:1-3.) Eseye suiv konsèy sa a: Chwazi youn nan chante w pi renmen nan liv kantik nou an. Li pawòl yo byen fò ak yon vwa ki djanm e fè sa avèk konviksyon. Epi, ak menm volim vwa sa a, di tout pawòl ki nan yon fraz nan kantik la pandan w respire yon sèl fwa. Apre sa, chante fraz la nan menm volim nan (Eza. 24:14). Pandan w ap chante, vwa w ap vin pi konplè, e se yon bon bagay. Pa kite sa fè w pè oswa fè w jennen! w17.11 5-6 § 11-13.
Dimanch 15 septanm
Tout moun vrè Dye a te touche kè yo, te pare pou yo monte al rebati kay Jewova a ki te nan Jerizalèm. — Esd. 1:5.
Toutpandan Juif yo t ap fè vwayaj la, se sèten yo te pase plizyè èdtan ap panse ak kote yo pral abite a. Yo te konn tande lòt moun ap di jan vil Jerizalèm te bèl yon lè. Moun aje ki te pami yo te wè jan ansyen tanp lan te bèl anpil (Esd. 3:12). Si w t ap fè vwayaj sa a avèk yo, ki jan w t ap santi w lè w fèk wè Jerizalèm, nouvo peyi w pral viv la? Èske w t ap santi w tris lè w wè kay kraze yo ki chaje ak raje? Èske w t ap konpare gwo miray double ki Babilòn yo ak miray Jerizalèm yo ki tou kraze ansanm ak gwo espas kote pòtay la te ye a ak kote gad te konn ap fè pòs yo? Men, pèp la te pran kouraj. Yo te deja wè fason Jewova sèvi ak men l pou l sove yo nan vwayaj byen long yo t ap fè pou yo retounen lakay yo a. Premye bagay yo te fè lè yo te rive se konstwi yon lotèl kote ansyen tanp lan te ye a e yo te kòmanse ofri sakrifis bay Jewova chak jou. — Esd. 3:1, 2. w17.10 26-27 § 2-3.
Lendi 16 septanm
Pinga w pè e pinga w panike, paske Jewova, [...] avè w. — 1 Kwo. 28:20.
Sanble Salomon te aprann anpil bagay nan men papa l sou kouraj. David te montre l gen anpil kouraj lè l t al fè fas kare ak yon jeyan ki gen anpil eksperyans nan batay. Vrèmanvre, li te pot laviktwa sou Golyat grasa èd Bondye ansanm ak yon wòch lis (1 Sam. 17:45, 49, 50). Li te toutafè nòmal pou David te ankouraje Salomon annapre pou l mete kouraj sou li e pou l konstwi tanp lan. Jewova t ap avè l jiskaske travay konstriksyon tanp lan fini. Salomon te kite pawòl papa l te di l yo ret grave nan lespri l ak nan kè l e li pa t kraponnen poutèt li te jèn e l te manke eksperyans. Li te demontre anpil kouraj epi l te fè travay la, e grasa èd Jewova, li te fin fè tanp lan ki te bèl anpil nan setan edmi. Menm jan Jewova te ede Salomon, li ka ede n met kouraj sou nou pou n fè travay nou ni nan fanmi nou ni nan kongregasyon an (Eza. 41:10, 13). Lè n demontre kouraj nan adorasyon n ap bay Jewova a, nou ka gen konfyans l ap beni nou kounye a e alavni. w17.09 28 § 3; 29 § 4; 32 § 20-21.
Madi 17 septanm
Pawòl Bondye a vivan e li pisan. — Ebre 4:12.
Antanke pèp Jewova, nou pa gen okenn dout Pawòl Bondye a, sètadi mesaj li bay lèzòm nan, “vivan e li pisan”. Anpil nan nou gen bonjan prèv ki montre pouvwa Bib la genyen pou l chanje lavi moun. Gen kèk nan frè ak sè nou yo ki te konn vòlè, ki te esklav dwòg oswa ki te konn fè imoralite seksyèl. Gen lòt ki te plizoumwen reyisi nan sistèm sa a, men, yo te santi yo manke yon bagay nan lavi yo (Ekl. 2:3-11). Detanzantan, gen anpil moun ki te sanble pèdi e ki te sanzespwa ki retounen sou chemen lavi a grasa pouvwa Bib la genyen pou l chanje moun. Sandout ou deja pran plezi pou w li anpil nan eksperyans sa yo ki parèt nan Toudegad nan ribrik ki rele “Labib chanje lavi moun” nan. E w te rann ou kont menm apre kretyen yo fin aksepte laverite, yo kontinye ap fè pwogrè espirityèl grasa Ekriti yo. w17.09 23 § 1.
Mèkredi 18 septanm
Jewova tèlman gen pitye pou Lòt, [...] yo soti avè l epi y al mete l deyò vil la. — Jen. 19:16.
Èske egzanp sa a nan lavi Lòt pa montre Jewova byen konnen nan ki sitiyasyon difisil pèp li a ki fidèl konn twouve l pafwa (Eza. 63:7-9; Jak 5:11; 2 Pyè 2:9)? Li anseye pèp li a enpòtans pou yo demontre kè sansib. Ann pran egzanp lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la ki gen rapò ak lè yon moun kenbe rad yon lòt moun kòm garanti pou yon kòb li prete l (Egz. 22:26, 27). Si moun ki prete moun nan kòb la gen kè di, li ka gen tandans sezi rad moun li prete kòb la e l pa kite l ak anyen pou l kouvri kò l lè l ap dòmi. Se sa k fè Jewova te anseye pèp li a pou yo evite yon move atitid san pitye konsa. Moun ki nan pèp li a dwe gen kè sansib. Èske prensip ki nan lwa sa a pa pouse n aji? Nan yon sans, èske n t ap kite frè n ak sè n yo deyò nan fredi a si n ka fè yon bagay pou n soulaje yo anba soufrans? — Kol. 3:12; Jak 2:15, 16; 1 Jan 3:17. w17.09 9 § 4-5.
Jedi 19 septanm
Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a. — Lik 23:34.
Jezi te priye Papa l pou l padone moun ki t ap egzekite l yo. Ala yon kokenn egzanp Jezi bay antanke moun ki te demontre dousè ak pasyans anba soufrans ak nan sitiyasyon ki rèd anpil (1 Pyè 2:21-23)! Ki jan n ka demontre dousè ak pasyans? Pòl te site youn nan fason yo lè l te ekri kwayan parèy li yo. Men sa l te di: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” (Kol. 3:13). Sa klè, nou bezwen gen dousè ak pasyans pou n obeyi kòmandman sa a. Men, lè n renmen padone, n ap kontribye pou toujou gen tèt ansanm nan kongregasyon an. Antanke kretyen, nou gen obligasyon pou n abiye n ak dousè ak pasyans. Se yon egzijans ki enpòtan anpil pou delivrans nou (Mat. 5:5; Jak 1:21). Sa k pi enpòtan an, grasa kalite sa yo, nou onore Jewova e n ede lòt moun suiv konsèy ki nan Bib la. — Gal. 6:1; 2 Tim. 2:24, 25. w17.08 25-26 § 15-17.
Vandredi 20 septanm
Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv. — 2 Pyè 2:9.
Pandan n ap fè rechèch nan Bib la, n ap jwenn plizyè egzanp kote Jewova fè sa moun pa t atann. Wa Ezekyas t ap viv nan yon epòk kote wa Senakerib ki t ap dirije peyi Asiri te anvayi Jida e l te met men sou tout vil ki te byen pwoteje yo, eksepte Jerizalèm (2 Wa 18:1-3, 13). Apre sa, Senakerib te vin pou l atake Jerizalèm. Ki sa wa Ezekyas te fè devan malè pandye sa a? Li te priye Jewova e l t al chèche konsèy nan men pwofèt Jewova a, anpalan de Ezayi (2 Wa 19:5, 15-20). Ezekyas te eseye montre l rezonab tou lè l te peye taks Senakerib te mande l la (2 Wa 18:14, 15). Rive yon lè, Ezekyas te fè preparasyon pou si lame peyi Asiri a ta antoure yo pandan anpil tan (2 Kwo. 32:2-4). Men, ki jan pwoblèm sa a te vin rezoud? Jewova te voye yon zanj ki te touye 185 000 nan sòlda Senakerib yo nan yon sèl nuit. An reyalite, menm Ezekyas pa t atann yon bagay konsa t ap rive! — 2 Wa 19:35. w17.08 10 § 7; 11 § 12.
Samdi 21 septanm
Fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. — Mat. 28:19, 20.
Ki jan w ka planifye pou w vin yon sèvitè aplentan? Plis pase nenpòt lòt bagay, kalite espirityèl yo ap ede w byen reyisi nan sèvis w ap bay Jewova a. Donk, montre w dilijan nan etid w ap fè nan Pawòl Bondye a, byen medite sou sa l di epi chèche jwenn fason pou w demontre lafwa w lè w nan reyinyon kongregasyon an. Pandan w lekòl toujou, ou ka vin gen eksperyans ak bonjan kapasite antanke moun k ap preche bon nouvèl la. Aprann enterese nan lòt moun lè w mande yo opinyon yo avèk tak ak lè w koute repons yo bay. Mete sou sa, ou ka ofri tèt ou pou w fè kèk travay nan kongregasyon an, tankou patisipe nan netwayaj ak nan antretyen Sal Wayòm nan. Jewova kontan sèvi ak moun ki gen imilite e ki dispoze sèvi l (Sòm 110:3; Tra. 6:1-3). Apot Pòl te envite Timote nan sèvis misyonè paske “frè [...] yo te pale an byen de Timote”. — Tra. 16:1-5. w17.07 23 § 7; 26 § 14.
Dimanch 22 septanm
Tout jenou ap pliye devan m, tout moun ap fè sèman y ap fidèl avè m. — Eza. 45:23.
Toutotan kesyon dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an toujou la nan lespri lèzòm oswa zanj yo, ap toujou gen konfli ant nasyon ak nasyon, ras ak ras, tribi ak tribi, fanmi ak fanmi, moun ak moun. Men, apre Jewova fin defann dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an, tout moun pral soumèt pou toutan anba dominasyon l lan ki jis. Lapè pral retabli nan tout linivè (Efe. 1:9, 10). Bondye pral defann dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an, epi dominasyon Satan ak lèzòm nan ap echwe e l ap elimine nèt. Dominasyon Bondye pa mwayen Wayòm Mesi a ap reyisi, e moun ki kenbe entegrite yo pral bay prèv lèzòm ka pran pozisyon pou dominasyon Bondye (Eza. 45:24). Èske w ta renmen pami moun Jewova pral konsidere kòm moun ki kontinye kenbe entegrite yo nan fason y ap defann dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an? Sandout ou ta renmen sa. Pou n kenbe entegrite n, nou dwe kite je n fikse sou kesyon ki pi enpòtan an e n bezwen konprann jis nan ki pwen kesyon sa a vrèman enpòtan. w17.06 23 § 4-5.
Lendi 23 septanm
Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè. — Pwo. 17:17.
Kantite tan yon moun fè nan lapenn ka pa menm ditou ak kantite tan yon lòt moun fè nan lapenn. Se sa k fè n bezwen disponib nonsèlman nan premye jou yo, lè gen anpil zanmi ak anpil moun nan fanmi moun nan ki la, men tou, nan mwa k ap vin apre yo lè lòt moun yo tounen nan aktivite nòmal yo. Kretyen yo ka vin yon gwo sous konsolasyon pou yon kretyen parèy yo k ap soufri pandan tout tan l fè ap soufri a (1 Tes. 3:7). Pa bliye, moun ki gen moun mouri a ka nan gwo lapenn nan moman anivèsè maryaj li, lè l ap tande kèk mizik, lè l ap gad kèk foto, lè l ap fè kèk aktivite, lè l pran sant yon bagay, lè l tande yon bri oswa lè l nan yon sezon nan ane a. Anpil bagay yon moun marye ki pèdi konjwen l fè poukont li pou premye fwa, tankou asiste yon asanble oswa Memoryal, ka fè l tris anpil. Nou bezwen sonje se pa sèlman nan okazyon espesyal yo moun ki gen moun mouri a bezwen ankourajman. w17.07 16 § 17-19.
Madi 24 septanm
Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou. — Flp. 2:4.
Li enteresan pou n konnen, lè n montre n enterese nan lòt moun avèk lanmou, sa ka fè n bliye kèk santiman negatif nou genyen. Gen anpil sè, kit yo marye kit yo pa marye, ki jwenn anpil jwa lè y ap preche bon nouvèl la antanke konpayon travay Bondye. Objektif yo se fè Bondye jwenn louwanj lè yo fè volonte l. Gen kèk nan yo ki menm konsidere patisipasyon yo nan travay predikasyon an kòm yon terapi. Sa klè, se nou tout ki kontribye pou gen yon lyen solid nan kongregasyon an lè n demontre sousi pou lòt moun, anpalan de moun nan tèritwa a ak moun nan kongregasyon an. Apot Pòl kite yon bon egzanp pou nou. Li te vin tankou “yon manman” pou moun ki te nan kongregasyon Tesalonik yo, e l te vin tankou yon papa espirityèl pou yo (1 Tes. 2:7, 11, 12). Timoun ki aprann demontre lanmou pou vrè Dye a e ki suiv konsèy li yo ka vin yon sous konsolasyon pou lòt moun nan fanmi an. Yo ka fè sa lè yo demontre respè pou paran yo ak lè yo ede yo divès fason. Mete sou sa, yo ka ba yo bonjan èd nan domèn espirityèl. w17.06 7 § 13-14; 8 § 17.
Mèkredi 25 septanm
Sèvi ak richès nou posede nan monn enjis sa a pou nou fè zanmi. — Lik 16:9.
Pèsonn pa demanti lide ki fè konnen gen plizyè milya moun ki pòv anpil, tandiske gen lòt moun ki gen richès ki ka dire plizyè jenerasyon. Jezi te fè konnen sistèm ekonomik la t ap ret konsa jiskaske Wayòm Bondye a vini. Menm jan ak sistèm politik la ak sistèm relijye a, sistèm komèsyal ki ava a, yo pale de li antanke “komèsan” nan Revelasyon 18:3 a, fè pati monn Satan an. Se vre moun ki fè pati pèp Bondye a retire kò yo nèt nan zafè politik ak nan fo relijyon, men, pifò nan yo pa ka retire kò yo nèt nan sistèm komèsyal ki gen nan monn Satan an. Antanke kretyen, l ap bon pou w egzamine fason w wè sistèm komèsyal la lè w mande tèt ou: ‘Ki jan m ka itilize byen materyèl mwen genyen pou m montre m fidèl ak Bondye? Ki jan m ka evite antre fon nan komès monn nan? Ki eksperyans ki montre pèp Bondye a gen yon konfyans total nan Bondye malgre y ap viv nan sistèm sa a ki pa fasil?’ w17.07 7-8 § 1-3.
Jedi 26 septanm
Veye kò nou pou kè nou pa janm vin lou akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp e akoz tètchaje ki gen nan lavi a. — Lik 21:34.
Jezi te byen konnen jan tètchaje ki gen nan sistèm nan ka fè presyon sou nou. Nan egzanp Jezi te bay konsènan moun k ap simen an, li te di gen moun ki t ap aksepte “mesaj Wayòm nan” e ki t ap kòmanse fè pwogrè, men, “tètchaje ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” t ap “toufe pawòl la”. (Mat. 13:19-22; Mak 4:19.) Vrèmanvre, si n pa fè atansyon, enkyetid ki gen chak jou nan lavi a ka gen enfliyans sou kè nou e sa ka fè n ralanti nan domèn espirityèl. Menm jan Pyè te fè apre eksperyans li te fè ak Jezi ki resisite, nou menm tou, nou montre jis nan ki pwen nou gen lanmou pou Kris lè n met travay li ban nou fè a an premye. Ki jan n ka gen asirans n ap kontinye fè sa? Detanzantan, nou bezwen mande tèt nou: ‘Pou ki bagay mwen gen afeksyon toutbon? Èske se lè m patisipe nan aktivite ki gen nan monn nan mwen gen plis kè kontan nan lavi a oswa lè m patisipe nan aktivite espirityèl yo?’ w17.05 23 § 3-4.
Vandredi 27 septanm
Di pawòl ki fasil pou moun konprann. — 1 Kor. 14:9.
Lè “moun k ap viv kòm etranje” yo ap viv lwen lòt Temwen ki pale lang yo pale a, yo bezwen asiste reyinyon nan lang yo pale nan zòn nan (Sòm 146:9). Men, si gen yon kongregasyon ki pa twò lwen kote yo fè reyinyon nan lang manman w, ou dwe mande tèt ou: Nan ki lang l ap pi bon pou fanmi w asiste reyinyon? Apre yon chèf fanmi fin byen reflechi sou sa, li priye epi l pale ak madanm li ak timoun yo, li dwe pran yon desizyon (1 Kor. 11:3). Paran yo dwe rezonab lè y ap egzamine sa timoun yo bezwen. Nòmalman, kèlkeswa lang yon timoun pale, pou l rive byen konprann laverite, li bezwen plis pase fè kèk èdtan ap pran fòmasyon nan domèn espirityèl nan reyinyon yo chak semèn. Sepandan, fè yon ti reflechi: Nan reyinyon ki fèt nan lang timoun nan pi byen konprann nan, lefètke l la sèlman, li ka konprann enstriksyon y ap bay la, e petèt li ka aprann plis pase sa paran l ta ka panse. Sa gendwa pa konsa lè timoun nan pa fin byen konprann yon lang. — 1 Kor. 14:11. w17.05 10 § 10-11.
Samdi 28 septanm
Pèp la te pote l volontè pou l batay. Se pou nou louwe Jewova! — Jij 5:2.
L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Èske m gen lafwa ak kouraj pou m itilize nenpòt sa m genyen pou m obeyi kòmandman byen klè Jewova bay? Si m panse al viv nan yon lòt vil oubyen yon lòt peyi paske m ap chèche jwenn plis avantaj nan domèn ekonomik, èske m egzamine efè sa ka genyen sou fanmi m ak sou kongregasyon an nan lapriyè?’ Jewova ban nou anpil valè lè l pèmèt nou soutni dwa l genyen pou l dirije a. Piske okòmansman Dyab la te pran lèzòm sou plan pou l fè yo soutni dominasyon l lan, lè w pran pozisyon pou dominasyon Jewova a ou voye yon mesaj ki pisan e ki klè bay Satan. Jewova kontan wè jan lafwa w ak entegrite w pouse w ofri tèt ou kòm volontè (Pwo. 23:15, 16). Li sèvi ak sipò w bay la pou l reponn Satan k ap pwovoke l (Pwo. 27:11). Kidonk, lè w obeyi Jewova fidèlman, anfèt, ou bay Jewova yon bagay ki gen anpil valè nan je l, e sa fè l kontan anpil anpil. w17.04 32 § 15-16.
Dimanch 29 septanm
Lè w fè Bondye yon ve, pa pran tan pou w fè sa w di a, paske li pa renmen moun ki sòt. Lè w fè yon ve, kenbe pawòl ou. — Ekl. 5:4.
Men sa Lwa Moyiz la te di: “Si yon gason fè Jewova yon ve oswa li fè yon sèman pou l respekte ve li fè [a], li dwe kenbe pawòl li. Li dwe fè tout sa l te di nan ve li fè a.” (Nonb 30:2). Annapre, Bondye te pouse Salomon ekri pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Jezi, bò kote pa l, te montre enpòtans sa genyen lè yon moun fè yon ve lè l te di: “Yo te di moun nan tan lontan yo: ‘Ou pa dwe fè sèman, apre sa pou w pa respekte sèman w fè a, e se pou w respekte ve w fè Jewova yo.’” (Mat. 5:33.) Donk, li klè, se yon bagay ki serye anpil lè yon moun fè Bondye pwomès. Fason nou wè ve nou fè yo gen efè sou relasyon nou ak Jewova. Men sa David te ekri: “Ki moun ki ka monte nan mòn Jewova a e ki moun ki ka kanpe kote li mete apa pou li a? Se moun [...] ki pa fè fo sèman sou lavi M [anpalan de lavi Jewova], e ki pa fè sèman avèk entansyon pou yo twonpe moun.” — Sòm 24:3, 4, nòt. w17.04 4 § 3-4.
Lendi 30 septanm
[Li] pa bay moun kout lang. — Sòm 15:3.
Lè yon kretyen kwè yo fè l enjistis, li dwe fè atansyon pou l pa tonbe nan fè tripotay. An reyalite, li toutafè nòmal pou n chèche èd nan men ansyen yo e pou n fè yo konnen si yon moun nan kongregasyon an fè yon peche grav (Lev. 5:1). Men, nan anpil ka kote pa gen peche grav ki fèt, li posib pou n rezoud yon pwoblèm san nou pa mele lòt moun ladan l, menm ansyen yo (Mat. 5:23, 24; 18:15). Se pou nou jere sitiyasyon sa yo fidèlman ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Nan kèk ka, nou ka vin rann nou kont yo pa t vrèman fè n enjistis. Se pa ti kontan nou t ap kontan dèske nou pa t fè yon sitiyasyon vin pi grav akoz nou fè manti sou yon kretyen parèy nou! Pa bliye, kit nou gen rezon, kit nou gen tò, lè n tonbe nan di pawòl ki blese moun sa pap janm amelyore yon sitiyasyon. Lè n fidèl ak Jewova e nou fidèl ak frè ak sè nou yo, sa ap pwoteje n pou n pa fè yon erè konsa. w17.04 21 § 14.