Oktòb
Madi 1ye oktòb
Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, [...] paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch. — Jak 1:5.
Se nan Jewova sajès soti, e l pran plezi fè lòt moun jwenn sajès sa a. Youn nan fason nou ka vin gen sajès Bondye bay la se lè n aksepte disiplin. E sajès sa a ka pwoteje n kont danje nan domèn moral ak espirityèl (Pwo. 2:10-12). Konsa, n ap kontinye “rete nan lanmou Bondye [...] avèk je nou fikse sou lavi ki pap janm fini an”. (Jid 21.) Sepandan, tandans nou genyen pou n fè peche, fason n te leve, ansanm ak kèk lòt bagay ankò fè l difisil pou n aksepte disiplin oswa pou n konsidere l kòm yon bon bagay. N ap vin gen rekonesans pou disiplin lè n wè byenfè l pote, sa ki pwouve Bondye renmen nou. Pwovèb 3:11, 12 di: “Pitit mwen, pinga w rejte disiplin Jewova ba w, [...] paske Jewova korije moun li renmen.” Wi, nou pa dwe janm bliye Jewova vle sa ki pi bon an pou nou (Ebre 12:5-11). Etandone Bondye byen konnen nou, li toujou bay disiplin yon fason ki kòrèk e nan yon mezi ki apwopriye. w18.03 28 § 1-2.
Mèkredi 2 oktòb
Se pou youn kontan akeyi lòt. — 1 Pyè 4:9.
Apot Pyè te ekri pawòl sa yo pou kongregasyon ki te ann Azi minè e ki te gen divès kilti. Yo te jwenn “gwo eprèv”. Ki sa k te ka ede kretyen ki t ap viv toupatou yo kenbe fèm nan moman terib sa yo (1 Pyè 4:4, 7, 12)? N ap remake Pyè te ankouraje frè l ak sè l yo ki kretyen pou “youn kontan akeyi lòt”, anpalan de moun yo te deja konnen e ki te konn pase tan ak yo. Lefètke yo te kontan akeyi moun, ki jan sa t ap ede yo? Sa t ap fè yo vin pwòch youn ak lòt. Fè yon ti reflechi sou pwòp eksperyans pa w. Èske w sonje bon moman w te pase ak yon moun ki te envite w lakay li? Èske w pa gen anpil bèl bagay ki vin nan tèt ou lè w ap panse ak okazyon sa a? Lè w te pase tan ak kèk moun nan kongregasyon an, èske sa pa t fè w vin pi bon zanmi yo? Lè n montre n akeyan, nou ka aprann konn frè n ak sè n yo yon fason ki pi entim pase nan lòt okazyon. Piske bagay yo t ap vin pi mal nan epòk Pyè a, kretyen yo te bezwen vin pi pwòch youn ak lòt. Se menm bagay la tou pou kretyen k ap viv nan “dènye jou” sa yo. — 2 Tim. 3:1. w18.03 14-15 § 1-3.
Jedi 3 oktòb
Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye, piske Wayòm syèl la se pou yo. — Mat. 5:3.
Bib la pale an byen konsènan moun ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl. Nan Women 8:6, Bib la montre avantaj sa genyen lè yon moun fikse lespri l sou bagay espirityèl lè l di: “Moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò, men moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn lavi ak lapè.” Lè n konsantre sou bagay espirityèl, nou vin anpè ak Bondye ansanm ak tèt nou depi kounye a e n gen espwa pou n gen lavi ki pap janm fini an alavni. Sepandan, n ap viv nan yon monn ki chaje danje. Piske chaje moun toutotou n ki konsantre lespri yo sou dezi lachè, nou bezwen fè bonjan efò pou n vin moun ki kite lespri Bondye gide n e pou n kontinye fè sa. Lè yon moun sispann kite lespri Bondye gide l, li vin gen yon vid nan domèn moral, epi “lè” ki kontamine ki nan monn sa a ap ranpli vid sa a byen vit. Jid te fè konnen gen moun ki t ap tèlman vin mal yo pa t ap menm “gen lespri Bondye avèk yo”. — Jid 18, 19. w18.02 19 § 5, 7; 20 § 8.
Vandredi 4 oktòb
Moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou. — 2 Tim. 3:13.
Gen anpil pwofesyonèl nan domèn sante k ap travay pami yon seri moun ki gen maladi trapan. Yo pran swen malad sa yo paske yo vle ede yo. Sepandan, lè y ap fè sa, yo dwe pwoteje tèt yo pou yo pa pran maladi y ap eseye trete a. Menm jan an tou, gen anpil nan nou k ap viv ak moun ki gen yon seri mantalite ak yon seri defo ki opoze ak kalite Bondye genyen yo. Sa reprezante yon defi pou nou. Dènye jou sa yo se yon epòk kote moun yo vin pa bon menm nan domèn moral. Nan Dezyèm lèt apot Pòl te ekri Timote a, li te dekri fason moun ki lwen Bondye yo t ap ye (2 Tim. 3:1-5). Byenke nou ka choke lè n wè jan defo sa yo gaye toupatou, konpòtman moun ki gen defo sa yo ak mantalite yo ka enfliyanse n (Pwo. 13:20). Se pou rezon sa a, nou dwe pwoteje tèt nou pou n pa kite defo sa yo kontamine n toutpandan n ap ede lòt moun nan domèn espirityèl. w18.01 27 § 1-2.
Samdi 5 oktòb
Fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo. — Mat. 28:19.
Nan ane 33 epòk nou an, Jezi ki resisite te parèt devan yon foul moun ki te gen plis pase 500 gason, fi e petèt menm timoun. Sanble se nan okazyon sa a li te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an (1 Kor. 15:6). Sa klè, sanble gen plizyè santèn nan disip Jezi yo ki te la lè Jezi te bay lòd pou fè disip la. Konsa, Jezi te montre batèm se t ap yon obligasyon pou moun ki aksepte pran jouk kretyen an antanke disip (Mat. 11:29, 30). Nenpòt moun ki vle sèvi Bondye yon fason ki akseptab dwe rekonèt wòl Jezi jwe nan akonplisman objektif Jewova epi l dwe aksepte sa. Apre moun nan fin fè sa, l ap ka batize. Batèm sa a se sèl batèm ki fèt nan dlo Bondye apwouve. Istwa ki nan Bib la bay bonjan prèv ki montre nan premye syèk la nouvo disip Kris yo te konprann siyifikasyon batèm nan. E yo pa t konn di san nesesite y a gen tan batize. — Tra. 2:41; 9:18; 16:14, 15, 32, 33. w18.03 5 § 8.
Dimanch 6 oktòb
O Dànyèl, ou menm ki gen anpil valè. — Dàn. 10:11.
Jodi a, nan yon sans, n ap viv kòm etranje nan yon monn ki kòwonpi nan domèn moral ak nan domèn espirityèl, e se Gran Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon yo e ki se “yon kote demon abite” ki lakòz sa (Rev. 18:2). Sepandan, nou pa menm jan ak moun sa yo, e sa menm fè yo pase n nan rizib (Mak 13:13). Menm jan ak Dànyèl, ann chèche vin pwòch ak Jewova, Bondye nou an. Lè n met konfyans nan li avèk imilite e nou obeyi l, nou menm tou n ap gen anpil valè nan je l (Aje 2:7). Paran yo ka aprann anpil bagay nan egzanp paran Dànyèl yo. Ki jan? Malgre mechanste te gaye nan Jida nan epòk Dànyèl te timoun, Dànyèl te aprann renmen Bondye toutpandan l t ap grandi. Sa montre paran l te ba l bonjan fòmasyon (Pwo. 22:6). Menm non Dànyèl, ki vle di “Bondye se Jij mwen”, montre paran l te gen lakrentif pou Bondye (Dàn. 1:6, nòt). Donk, nou menm paran, pa abandone pitit nou, men, anseye yo avèk pasyans (Efe. 6:4). Anplis de sa, priye avèk yo epi priye pou yo. Lè n fè tout sa n kapab pou n antre verite ki nan Bib la nan kè yo, n ap jwenn anpil benediksyon nan men Jewova. — Sòm 37:5. w18.02 5 § 12; 6 § 14-15.
Lendi 7 oktòb
Tout bagay soti nan ou. Sa nou ba ou yo se nan ou yo soti. — 1 Kwo. 29:14.
Lè n bay, sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Nan yon vizyon apot Jan te fè, men sa l te tande sèvitè Jewova yo nan syèl la ap di: “Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.” (Rev. 4:11). Èske w pa dakò Jewova merite tout glwa ak tout onè nou ka ba li lè n ofri l sa n genyen ki pi bon an? Pa mwayen Moyiz, Jewova te bay nasyon Izrayèl la lòd pou yo parèt devan l nan twa fèt yo te konn selebre chak ane. Izrayelit yo pa t dwe “parèt devan Jewova de men vid”, e sa te fè pati adorasyon yo t ap ba l nan fèt sa yo (Det. 16:16). Menm jan an tou jodi a, youn nan aspè enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova a se lè n bay sa n genyen pou n montre n gen rekonesans e pou n soutni travay pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a ap fè a san se pa enterè n ap chèche. w18.01 18 § 4-5.
Madi 8 oktòb
M ap ban nou fòs. — Mat. 11:28.
Jezi te di disip li yo tou: “Pran jouk mwen an met sou zepòl nou. [...] Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” (Mat. 11:29, 30). Se pa ti verite ki gen nan pawòl sa yo! Pafwa, nou ka santi n fatige lè n kite kay nou pou n al asiste yon reyinyon nan kongregasyon an oswa pou n al nan travay predikasyon an. Men, ki jan n konn santi n lè n retounen? Nou gen fòs, sa vle di nou pi byen prepare pou n fè fas ak pwoblèm lavi a. Vrèmanvre, jouk Jezi a fasil pou moun pote! Gen yon sè, n ap bay non Keyila, ki oblije fè fas ak yon maladi kwonik ki fè l fatige toutan, li fè depresyon e l konn gen gwo tèt fè mal. Nou konprann pafwa li konn twouve l difisil pou l asiste reyinyon kongregasyon an. Men, apre l te fin fè efò pou l asiste yon reyinyon piblik, men sa l te ekri: “Diskou a te pale sou dekourajman. Fason frè a te prezante enfòmasyon yo te tèlman touche m, sa te fè m kriye. Sa te fè m sonje reyinyon yo se kote m dwe ye.” Se pa ti kontan l te kontan dèske l te fè efò pou l asiste reyinyon an! w18.01 8-9 § 6-7.
Mèkredi 9 oktòb
Pye m te prèske glise. — Sòm 73:2.
E si pitit gason w oswa pitit fi w la kòmanse montre l gen dout sou kèk bagay apre l fin batize? Pa egzanp, yon jèn ki batize ka santi bagay ki nan monn nan atire l oswa l ka kòmanse gen dout sou sajès ki genyen lè yon moun viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la (Sòm 73:1-3, 12, 13). Antanke paran, ou dwe rann ou kont fason w jere pwoblèm sa yo ak pitit gason w oswa ak pitit fi w ka fè l chwazi vin gen menm kwayans avè w oswa l ka rejte l. Pran detèminasyon pou w pa kreye pwoblèm ak pitit ou sou sijè sa a, kit li toupiti kit li adolesan kounye a. Objektif ou se ta dwe ede yo avèk lanmou yon fason pou w konvenk yo. Natirèlman, yon jèn ki batize te fè Jewova yon ve ki serye. Nan ve sa a, li te pwomèt l ap renmen Bondye e l ap met volonte Bondye anvan tout lòt bagay (Mak 12:30). Jewova pa pran pwomès sa a alalejè, e tout moun ki te fè ve sa a pa dwe pran l alalejè. — Ekl. 5:4, 5. w17.12 22 § 16-17.
Jedi 10 oktòb
Mwen konnen [frè m nan ] ap leve nan rezirèksyon k ap fèt nan dènye jou a. — Jan 11:24.
Menm jan ak Mat, sèvitè fidèl Jewova yo te konnen gen yon rezirèksyon ki pral fèt alavni. Reflechi ak sa Bondye te di Abraram pou l fè Izarak, yon pitit gason Abraram t ap tann depi byen lontan e ki t ap vin eritye l. Jewova te di l: “Tanpri, pran Izarak, pitit gason w lan, sèl pitit ou renmen anpil la [...] epi ofri l kòm sakrifis.” (Jen. 22:2). Imajine jan yon lòd konsa dwe te fè Abraram santi l. Jewova te pwomèt pa mwayen desandans Abraram, tout nasyon t ap jwenn benediksyon (Jen. 13:14-16; 18:18; Wom. 4:17, 18). Epitou, Jewova te di “se nan Izarak” benediksyon an t ap soti (Jen. 21:12). Men, ki jan sa t ap ka fèt si Abraram te touye Izarak pou l ofri l kòm sakrifis? Pòl te fè konnen Abraram te kwè Bondye te ka leve Izarak sot nan lanmò (Ebre 11:17-19). Abraram te ka pa t konnen ki lè pitit gason l lan t ap leve vivan ankò. Men, li te gen konfyans Jewova t ap resisite Izarak. w17.12 5-6 § 12-14.
Vandredi 11 oktòb
Mwen pa responsab san pèsonn. — Tra. 20:26.
Menm jan ak Pòl, nou dwe fè tout sa n kapab pou n vin gen menm pwennvi ak Bondye sou lavi. Jewova “ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) E ou menm? Ou ka wè lè w kòmanse gen yon atitid ki demontre mizèrikòd nan kè w sa ap pouse w fè plis nan travay predikasyon an e w ap gen plis kè kontan toutpandan w ap fè sa. Nou montre nou gen menm pwennvi ak Jewova sou lavi tou lè n chèche gen yon atitid ki kòrèk sou sekirite. Nou dwe pran prekosyon lè n ap kondui ak lè n ap travay, sa gen ladan l lè n ap konstwi lokal kote nou adore Bondye, lè n ap fè antretyen ladan yo ak lè n ap deplase pou n al ladan yo. Pa janm bay rannman, lajan ak delè plis enpòtans pase sekirite nou ak sante nou. Bondye nou an ki gen jistis toujou fè sa ki jis e ki dwat. Nou vle aji menm jan avè l. Ansyen yo sitou dwe fè tout sa yo kapab pou yo veye sou sekirite tèt yo ak sekirite moun k ap travay bò kote yo (Pwo. 22:3). Si yon ansyen fè n sonje kèk règ ak prensip sou sekirite, donk, aksepte konsèy li bay la (Gal. 6:1). Se pou n gen menm pwennvi ak Jewova sou lavi, e konsa “nou pap koupab pou san moun”. — Det. 19:10. w17.11 16 § 11-12.
Samdi 12 oktòb
Pa kite pèsonn [...] pran rekonpans lan nan men nou. — Kol. 2:18.
Menm jan ak apot Pòl, jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo gen bèl privilèj pou yo resevwa “rekonpans lan, sètadi apèl selès Bondye fè” yo a (Flp. 3:14). Y ap tann pou y al travay ansanm ak Jezi Kris nan Wayòm nan ki nan syèl la e pou yo met ansanm avè l pou ede lèzòm vin pafè (Rev. 20:6). Ala yon bèl objektif Bondye envite moun sa yo genyen! Moun ki fè pati lòt mouton yo gen yon lòt esperans. Y ap tann pou yo jwenn rekonpans yo a ki se lavi ki pap janm fini an sou tè a, e se pa ti kè kontan pwomès sa a fè yo genyen (2 Pyè 3:13)! Men ki ankourajman Pòl te bay kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou ede yo ret fidèl pou yo jwenn rekonpans lan: “Kontinye fikse lespri nou sou bagay ki anwo yo.” (Kol. 3:2). Yo te dwe kontinye fikse lespri yo sou bèl esperans yo genyen pou yo resevwa yon eritaj nan syèl la (Kol. 1:4, 5). Kidonk, lè tout sèvitè Jewova yo reflechi ak benediksyon Jewova pral bay pèp li a, sa ede yo kite je yo fikse sou rekonpans lan. — 1 Kor. 9:24. w17.11 25 § 1-2.
Dimanch 13 oktòb
Chante pou Jewova! — Sòm 96:1.
Anpil nan kantik ki nan liv kantik ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova a parèt sou fòm priyè. Kantik sa yo ka ede w di Jewova sa w santi toutbon. Gen lòt kantik k ap “pouse [n] gen lanmou, [e k ap pouse n] fè bèl aksyon”. (Ebre 10:24.) Se sèten nou vle abitye ak melodi yo, rit mizik yo ansanm ak pawòl kantik yo. Nou ka fè sa lè n koute kantik kote gen moun k ap chante ki sou sit jw.org la. Lè n aprann kantik yo lakay nou, nou ka aprann chante yo ak konviksyon e ak tout kè nou. Pa bliye chante jwe yon wòl enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova a. Se yon bèl fason nou demontre lanmou ak rekonesans pou Jewova (Eza. 12:5). Anplis de sa, lè n chante ak kè kontan, nou ankouraje lòt moun chante ak konviksyon. Kidonk, tout moun nan kongregasyon an, jèn kou granmoun ak moun ki fèk enterese nan laverite ka patisipe dirèkteman nan fòm adorasyon sa a n ap bay Jewova. Se sa k fè, pa pè chante pou w montre sa w santi. Wi, ann chante ak kè kontan! w17.11 7 § 18-19.
Lendi 14 oktòb
Se pou nou pridan tankou sèpan e se pou nou inosan tankou pijon. — Mat. 10:16.
Jodi a, anpil nan refijye yo sot nan peyi kote yo entèdi travay predikasyon nou an. Grasa Temwen zele k ap viv nan peyi k ap resevwa refijye yo, plizyè milye refijye rive tande “mesaj Wayòm nan” pou premye fwa (Mat. 13:19, 23). Anpil nan moun ki ‘gen chay y ap pote’ yo jwenn fòs nan domèn espirityèl lè yo asiste reyinyon nou yo, e yo pa pran tan pou yo di: “Bondye vrèman pami nou.” (Mat. 11:28-30; 1 Kor. 14:25). Moun k ap preche refijye yo bezwen montre yo “pridan” e yo bezwen montre yo “gen lespri”. (Pwo. 22:3.) Pran pasyans pou n koute yo lè y ap rakonte pwoblèm yo, men, pa pale sou bagay politik. Suiv enstriksyon biwo filyal la ak otorite nan peyi a bay. Pa janm met ni tèt ou ni lòt moun an danje. Chèche konn pwen sansib ki gen nan relijyon ak kilti refijye yo epi respekte yo. Pa egzanp, gen moun ki sot nan kèk peyi ki sansib anpil sou fason medam yo dwe abiye. Se sa k fè, lè n ap preche refijye yo, nou bezwen abiye yon fason ki pap ofanse moun san nesesite. w17.05 7 § 17-18.
Madi 15 oktòb
Se pou pawòl nou toujou bèl. — Kol. 4:6.
Nou kapab mande Jewova pou l ban nou lespri sen pou n ka demontre fwi lespri a lè n ap pale ak fanmi nou ki pa Temwen. Nou pa dwe eseye fè diskisyon ak yo sou tout ide yo genyen ki soti nan fo relijyon. Si yo fè n ditò nan aksyon yo oswa nan pawòl yo, nou kapab imite egzanp apot yo. Men sa Pòl te ekri: “Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè yo pèsekite nou, nou andire avèk pasyans. Lè yo pale nou mal, nou reponn avèk dousè.” (1 Kor. 4:12, 13). Byenke lè n pale avèk dousè sa ka ede n fè fas ak moun nan fanmi n ki opoze avè n, bon konduit nou genyen kapab ede n plis toujou (1 Pyè 3:1, 2, 16). Grasa egzanp nou, montre moun nan fanmi n Temwen Jewova yo gen kè kontan nan maryaj yo, yo pran swen pitit yo, yo mennen yon vi pwòp nan domèn moral, e yo jwenn satisfaksyon nan lavi yo. Menmsi fanmi nou pa janm aksepte laverite, nou kapab gen kè kontan dèske konduit fidèl nou genyen fè Jewova plezi. w17.10 15 § 13-14.
Mèkredi 16 oktòb
Prezante tèt ou bay Bondye antanke moun li apwouve. — 2 Tim. 2:15.
Èske n ta dwe sezi lefètke anpil moun nan epòk nou an rive fè yon seri gwo chanjman paske yo etidye Pawòl Bondye a? Non! Eksperyans sa yo fè n sonje frè n ak sè n yo nan premye syèk la ki te gen esperans pou y al nan syèl (1 Kor. 6:9-11). Apre apot Pòl te fin site yon seri moun ki pap benefisye Wayòm Bondye a, li te di: “Se sa kèk nan nou te ye.” Men, yo te rive chanje grasa èd Ekriti yo ansanm ak lespri sen Bondye. Gen kèk nan yo ki te oblije fè fas ak yon seri gwo pwoblèm espirityèl menm apre yo te fin aksepte laverite. Bib la pale konsènan yon kretyen nan premye syèk la Bondye te chwazi pou al nan syèl kongregasyon an te oblije eskominye, e ki te vin reyentegre annapre (1 Kor. 5:1-5; 2 Kor. 2:5-8). Èske n pa twouve l ankourajan pou n egzamine pakèt pwoblèm kwayan parèy nou yo te rankontre e yo te rive rezoud grasa Pawòl Bondye a? Se sèten nou vle byen sèvi avè l. w17.09 23-24 § 2-3.
Jedi 17 oktòb
Youn pa dwe renmen lòt nan bouch, ni ak bèl pawòl, men se pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa. — 1 Jan 3:18.
Lanmou ki baze sou bonjan prensip (agapè) se yon kado Jewova bay. Se Jewova ki Sous lanmou sa a (1 Jan 4:7). Lanmou sa a se pi gwo lanmou ki egziste. Byenke l ka gen ladan l afeksyon ak tandrès, li parèt sitou nan aksyon san enterè nou fè pou byen lòt moun. Selon sa yon liv referans fè konnen, “nou kapab wè lanmou (agapè) yon moun gen lakay li grasa aksyon lanmou sa a pouse l fè”. Lè n demontre lanmou san enterè pou lòt moun oswa lòt moun demontre lanmou sa a pou nou, lavi n vin pi bèl, li gen plis sans e nou gen plis kè kontan. Jewova te montre l renmen lèzòm anvan menm li te kreye Adan ak Èv. Li te fè tè a pou lèzòm abite pou toutan. Li pa t fè l pou lèzòm annik viv, men, pou yo te ka byen jwi lavi a. Jewova te fè sa espesyalman pou byennèt nou, se pa yon enterè li t ap defann. Anplis de sa, li te demontre yon lanmou san enterè lè l te beni pitit li yo sou tè a e l te ba yo posiblite pou yo viv pou toutan nan Paradi li te prepare pou yo a. w17.10 7 § 1-2.
Vandredi 18 oktòb
Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou. — Jak 2:8.
Apre sa, Jak te ajoute: “Si nou kontinye montre nou nan patipri, nou peche.” (Jak 2:9). Yon lòt bò, lanmou ap pouse n rejte kèlkeswa prejije ki baze sou edikasyon, ras oswa ran sosyal. Anfèt, nou dwe fè plis pase annik di nou pa gen patipri. Sa dwe vin yon aspè enpòtan nan pèsonalite nou. Lanmou gen “pasyans ak byenveyans” tou, e li “pa kite ògèy plen tèt li”. (1 Kor. 13:4.) Vrèmanvre, sa mande pasyans, byenveyans ak imilite pou n kontinye fè pwochen nou yo tande mesaj Wayòm nan (Mat. 28:19). Kalite sa yo fè l pi fasil pou n viv ak tout frè ak sè yo nan kongregasyon an. Ki rekonpans nou jwenn lè n demontre kalite lanmou sa a? Li pèmèt kongregasyon yo gen tèt ansanm, yon bagay ki onore Jewova e ki atire moun ki fèk enterese yo. Se sa k fè, pou Bib la fini deskripsyon l fè sou nouvo pèsonalite a, men yon verite pisan li bay: “Anplis tout bagay sa yo, abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay.” — Kol. 3:14. w17.08 26 § 18-19.
Samdi 19 oktòb
Jewova [...] pa t sispann ba yo avètisman paske li te gen pitye pou pèp li a. — 2 Kwo. 36:15.
Èske n pa dwe gen menm pitye sa a pou moun ki ka vin repanti pou peche yo t ap fè e ki vin jwenn favè Bondye? Jewova pa ta renmen pou pèsonn detwi nan jijman k ap vini an (2 Pyè 3:9). Se sa k fè, annatandan Bondye aji pou l detwi mechan yo, ann kontinye anonse mesaj avètisman li an ki montre l gen kè sansib. Nou kapab aprann yon leson nan egzanp Jezi te bay. Li te gen kè sansib pou foul moun li te rankontre yo, paske “yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje”. Ki jan l te reyaji lè l te wè nan ki sitiyasyon deplorab yo te ye? “Li [te] kòmanse anseye yo anpil bagay.” (Mat. 9:36; Mak 6:34). Atitid Jezi pa t menm ditou ak farizyen yo ki pa t gen okenn dezi pou yo ede moun nan pèp la (Mat. 12:9-14; 23:4; Jan 7:49). Menm jan ak Jezi, èske w pa gen anvi pou w bay moun ki grangou yo manje nan domèn espirityèl? w17.09 9 § 6; 10 § 9.
Dimanch 20 oktòb
Lè m ap aji, kiyès ki ka bloke m? — Eza. 43:13.
Lè Jozèf te nan prizon nan peyi Ejip, èske l te janm panse li t ap vin dezyèm moun ki gen plis pouvwa nan peyi a oswa Jewova t ap sèvi avè l pou l sove fanmi l anba gwo grangou (Jen. 40:15; 41:39-43; 50:20)? Pa gen dout, fason Jewova te aji te depase tout sa Jozèf te atann. Èske Sara ki te granmoun anpil te atann Jewova t ap fè l fè yon pitit gason? Se sèten, nesans Izarak te depase tout sa Sara te ka imajine (Jen. 21:1-3, 6, 7). N ap dakò, nou pa atann Jewova ap fè mirak pou l retire tout pwoblèm nou yo anvan monn nouvo li pwomèt la rive, ni nou pa mande pou okenn bagay estrawòdinè rive nan lavi n. Men, nou byen konnen Dye ki te ede sèvitè l yo yon fason estrawòdinè a se Jewova, Bondye nou an (Eza. 43:10-12). Nou konnen li kapab fè kèlkeswa sa k nesesè pou l ban nou pisans pou n fè volonte l nèt (2 Kor. 4:7-9). Vrèmanvre, si n ret fidèl ak Jewova, li ka ede n pot laviktwa menm nan sitiyasyon ki parèt enposib. w17.08 11-12 § 13-14.
Lendi 21 oktòb
Lage tout sa w ap fè nan men Jewova, e plan w yo ap mache. — Pwo. 16:3.
Sèvis aplentan pèmèt ou ret an kontak ak sèvitè aplentan parèy ou e l ede w vin gen matirite antanke kretyen. Epitou, anpil moun rann yo kont, lefètke yo te bay tout yo menm nan sèvis Jewova a pandan yo jèn, sa ede yo pi byen reyisi maryaj yo. Byen souvan, moun ki te pran sèvis pyonye anvan maryaj yo konn gen posiblite kontinye nan sèvis la antanke koup marye (Wom. 16:3, 4). Ou bezwen met tout kè w nan planifikasyon w ap fè yo. Men sa Sòm 20:4 di konsènan Jewova: “Se pou l ba w tout sa w swete nan kè w e se pou l pèmèt tout sa w planifye reyisi.” Kidonk, reflechi ak sa w vle fè ak lavi w. Reflechi ak sa Jewova ap fè nan epòk nou an ansanm ak fason w ka patisipe nan sèvis li a. Apre sa, planifye pou w fè sa k fè l plezi. Lefètke w sèvi Jewova aplentan sa ap fè w jwenn anpil satisfaksyon, paske lè w viv fason sa a sa onore Bondye. Wi, “pran tout plezi w nan Jewova e l ap ba ou tout sa w swete nan kè w”. — Sòm 37:4. w17.07 26 § 15-18.
Madi 22 oktòb
Louwe Ja! [...] Ala sa bèl e ala sa bon pou nou louwe l! — Sòm 147:1.
Lè yon moun byen fè yon travay yo ba l fè oswa li demontre yon bèl kalite antanke kretyen, li merite louwanj. Si moun merite sa, èske n pa gen plis rezon toujou pou n bay Jewova Dye louwanj? Nou ka fè louwanj pou li paske l gen yon kokenn pisans, jan nou wè sa nan bèl bagay ki gen nan kreyasyon an, oswa paske l byen boule ak lèzòm, jan sa parèt klè grasa sakrifis ranson Pitit Gason l lan. Moun ki te ekri Sòm 147 la te santi l pouse pou l bay Jewova louwanj. Mete sou sa, li te ankouraje lòt moun vin bay Bondye louwanj avè l (Sòm 147:7, 12). Nou pa konnen ki moun ki te ekri sòm sa a, men, sanble moun sa a te viv apeprè nan menm epòk Jewova te fè Izrayelit yo tounen Jerizalèm lè yo te sot ann egzil nan Babilòn (Sòm 147:2). Piske pèp Bondye a te rekòmanse adore Bondye kote yo te konn fè vrè adorasyon an, se sèten, sa te pouse moun sa a bay Jewova louwanj. Ki rezon w genyen pou w di byen fò “Alelouya!” nan lavi w? — Sòm 147:1, nòt. w17.07 17 § 1-3.
Mèkredi 23 oktòb
Sèvi ak richès nou posede nan monn enjis sa a pou nou fè zanmi, dekwa pou lè richès sa yo disparèt, zanmi sa yo ka resevwa nou kote ki la pou toutan yo. — Lik 16:9.
Jezi te konnen pifò nan disip li yo t ap bezwen travay pou yo viv nan sistèm komèsyal ki nan monn enjis sa a. Byenke Jezi pa esplike poukisa l di richès yo “enjis”, Bib la fè konnen aklè sistèm komèsyal la pa t nan objektif Bondye. Jewova te bay Adan ak Èv tout sa yo gen bezwen nan jaden Edenn nan (Jen. 2:15, 16). Annapre, lè lespri sen t ap aji sou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan premye syèk la, “pa t gen yon moun pami yo ki te konsidere sa l genyen kòm zafè pa l. Okontrè, yo te pataje tout bagay”. (Tra. 4:32.) Pwofèt Ezayi te pale de yon epòk kote tout moun pral lib pou yo itilize resous materyèl tè a genyen (Eza. 25:6-9; 65:21, 22). Men, antretan, disip Jezi yo t ap bezwen aji avèk “sajès” nan fason y ap sèvi ak “richès [yo] posede nan monn enjis sa a” toutpandan y ap chèche fè Bondye plezi. — Lik 16:8. w17.07 8 § 4-6.
Jedi 24 oktòb
Tout sa l genyen nan men w. — Jòb 1:12.
Nan liv Jòb la, youn nan premye liv ki te ekri nan Bib la, nou aprann Satan te fè konnen Jòb ap rejte Bondye depi l jwenn gwo soufrans. Li te mande Bondye pou Bondye fè Jòb soufri. Jewova pa t fè sa, men, li te pèmèt Satan teste Jòb. Nan yon tikras tan, Jòb te pèdi sèvitè l yo, mwayen l te gen pou l viv ansanm ak dis pitit li yo li te renmen anpil. Satan te fè sa yon fason pou moun panse se Bondye li menm ki te lakòz soufrans Jòb yo (Jòb 1:13-19). Annapre, Satan te lage yon maladi repiyan sou Jòb ki te fè l soufri anpil (Jòb 2:7). Pawòl dekourajan madan Jòb ansanm ak twa mesye ki te pran pòz yo se zanmi Jòb yo te fè Jòb vin plis dekouraje toujou (Jòb 2:9; 3:11; 16:2). Ki jan sa te fini? Sa Satan te di yo se te manti kri. Jòb te refize vire do bay Bondye. — Jòb 27:5. w17.06 24 § 9-10.
Vandredi 25 oktòb
Si yon moun pa bay [moun lakay li] sa yo gen bezwen, [...] li nye lafwa. — 1 Tim. 5:8.
Jodi a, chèf fanmi yo rekonèt Bib la ba yo responsablite pou yo bay fanmi yo sa yo gen bezwen nan domèn materyèl. Yo dwe travay di pou yo ka respekte obligasyon sa a. Men, nan dènye jou yo, byen souvan, travay pote anpil tètchaje. Piske gen gwo konpetisyon akoz pa gen ase travay pou tout moun, sa vin fè anpil anplwaye santi yo oblije pase plis tan ap travay, pafwa pou mwens kòb. Mete sou sa, lefètke moun yo toujou anba gwo presyon pou yo pwodui plis, sa gen gwo konsekans sou yo nan domèn fizik, mantal ak afektif. Anplwaye ki pa dispoze fè sakrifis sa yo pou konpayi yo riske pèdi travay yo. Antanke kretyen, se ak Jewova Dye nou dwe fidèl an premye, se pa ak patwon nou (Lik 10:27). Travay se jis yon mwayen ki ede n atenn yon objektif. Nou travay pou n jwenn sa n gen bezwen nan domèn materyèl e pou n soutni travay predikasyon an. Men, si n pa fè atansyon, travay nou ka vin pran plas adorasyon n ap bay Bondye a. w17.05 23 § 5-7.
Samdi 26 oktòb
Koute papa w, paske se li ki fè w. Se pa paske manman w fin granmoun pou w meprize l. — Pwo. 23:22.
Pafwa, moun ki fèk vin nan laverite yo konn mande kèk pwoklamatè ki gen matirite pou yo ede yo anseye pitit yo laverite. Si yon paran deside pou yon lòt moun etidye ak pitit li, moun k ap fè etid la pa dwe eseye pran plas paran an (Efe. 6:1-4). Gendelè yo konn mande yon Temwen pou l etidye Labib ak timoun paran yo pa enterese nan laverite. Nan ka sa a, Temwen an bezwen sonje, menm lè l ap ede timoun nan nan domèn espirityèl, sa pa fè l vin paran l pou sa. Epitou, si l ap kondui yon etid konsa, li t ap bon pou l fè l lakay timoun nan an prezans paran l oswa yon lòt Temwen ki gen matirite oubyen l ka fè l nan yon zòn ki apwopriye kote lòt moun ka wè yo. Konsa, pèsonn pap gen okenn rezon pou yo mal entèprete sa k ap fèt la. Petèt, rive yon lè, paran yo ap ranpli responsablite Bondye ba yo pou yo pran swen pitit yo nan domèn espirityèl. w17.06 8 § 15-16.
Dimanch 27 oktòb
Si m pa konprann lang yon moun pale, [...] moun k ap pale a ap yon etranje pou mwen. — 1 Kor. 14:11.
Si timoun yo pa santi yo gen menm kilti ak paran yo, yo gendwa pa vle aprann lang paran yo e yo ka pa aksepte kwayans yo. Paran ki kretyen yo met byennèt espirityèl pitit yo anvan preferans pa yo (1 Kor. 10:24). Men sa yon frè ki rele Samuel fè konnen: “Mwen menm ak madanm mwen te byen suiv timoun nou yo pou n wè nan ki lang laverite t ap touche kè yo, e n te priye Jewova pou l ban nou sajès. [...] Lè n te wè timoun yo pa t tire anpil pwofi nan reyinyon ki te fèt nan lang nou an, nou te deside asiste reyinyon nan lang yo pale nan zòn nan. Nou toujou asiste reyinyon ansanm e n al preche ansanm. Anplis de sa, nou konn envite zanmi nan zòn nan vin manje avè n epi al flannen avè n. Tout bagay sa yo te ede timoun nou yo vin konn frè ak sè yo e sa te ede yo vin konn Jewova, nonsèlman kòm Bondye yo, men tou kòm Papa yo ak Zanmi yo. Nou te rann nou kont sa te pi enpòtan pase anseye yo pou yo vin maton nan lang nou pale a.” w17.05 10 § 11-13.
Lendi 28 oktòb
Se pou nou louwe Jewova! — Jij 5:2.
Talè konsa, tè a pral plen ak moun ki prefere soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a pase kèlkeswa lòt dominasyon an. Se pa ti tann n ap tann jou sa a! Menm jan ak Debora ak Barak, ann chante: “O Jewova, se konsa pou tout ènmi w yo peri. Men, se pou moun ki renmen w yo tankou solèy la ki klere lè l ap leve.” (Jij 5:31). Jewova ap reponn demann sa a nou fè l la lè l ap mete yon fen nan monn mechan Satan an! Lè lagè Amagedon kòmanse, li pap nesesè pou moun ofri tèt yo kòm volontè pou kouri dèyè ènmi. Se pral moman pou n “ret kanpe [e pou n] gade jan Jewova ap delivre nou”. (2 Kwo. 20:17.) Men, annatandan, nou gen yon pakèt okazyon pou n pran pozisyon pou Jewova avèk kouraj e avèk detèminasyon. “Pèp la te pote l volontè pou l batay. Se pou nou louwe Jewova!” Se konsa, nan kòmansman chante Debora ak Barak te fè a, yo pa t fè lwanj pou okenn kreyati, men yo te fè louwanj pou Sila a ki nan pi gwo pozisyon an (Jij 5:1, 2). Menm jan an tou jodi a, se pou dezi pou w sèvi kòm volontè a pouse tout moun ki benefisye l yo pou yo “louwe Jewova”! w17.04 32 § 17-18.
Madi 29 oktòb
Isit la, mwen pa fè anyen ki merite pou yo mete m nan prizon. — Jen. 40:15.
Byenke Jozèf pa t bliye bagay mal yo te fè l pandan 13 ane li te fè ap soufri yo, li pa t kite sa fè l vin akaryat (Jen. 45:5-8). Sa k pi enpòtan an, li pa t kite enpèfeksyon ak move aksyon lòt moun separe l ak Jewova. Piske Jozèf te fidèl, sa te ba l posiblite pou l wè men Jewova k ap repare enjistis yo te fè l yo e k ap beni li menm ak fanmi l. Menm jan an tou, nou dwe bay relasyon nou ak Jewova anpil valè e nou dwe pwoteje relasyon sa a. Nou pa dwe janm kite enpèfeksyon frè ak sè n yo separe n ak Bondye nou renmen an e n ap adore a (Wom. 8:38, 39). Okontrè, si yon kretyen parèy nou fè n enjistis, ann imite Jozèf e ann fè efò pou n vin pi pwòch ak Jewova toujou, pandan n ap fè tout sa n kapab pou n wè bagay yo menm jan avè l. Lè n fin fè tout sa n kapab pou n fè sa Bib la mande pou n ranje sitiyasyon an, nou bezwen kite bagay yo nan men Jewova e n bezwen gen konfyans l ap ranje sa lè l vle ak jan l vle. w17.04 20 § 12; 22 § 15-16.
Mèkredi 30 oktòb
Si w [...] bay sèvant ou an yon pitit gason, m ap ba ou l, Jewova, pou l ka sèvi w pandan tout lavi l. — 1 Sam. 1:11.
Ana te fè egzakteman sa l te pwomèt Bondye a. Li pa t menm panse fè yon lòt bagay. Li mennen Samyèl bay gran prèt Eli nan tabènak la, nan Silo, epi l di l: “Se pou m te ka gen tigason sa a mwen t ap priye, e Jewova ban m sa m te mande l la. Kounye a, mwen bay Jewova l. Pandan tout lavi l, se pou Jewova li ye.” (1 Sam. 1:24-28). Epi, “ti Samyèl menm te kontinye jwenn favè Jewova” nan tabènak la (1 Sam. 2:21). Men, ki efè sa te gen sou Ana? Ana te renmen ti pitit gason l lan anpil, men kounye a, li pa t ap kapab wè l chak jou. Reflechi ak jan li te anvi pran l nan bra l, jwe avè l, epi pran swen l, sa vle di pou l gen bèl ti souvni yon manman ki gen lanmou genyen lè l ap gade tipitit li k ap grandi. Aktout sa, Ana pa t regrèt li te respekte ve li te fè Bondye a. Jewova te fè kè l kontan. — 1 Sam. 2:1, 2; Sòm 61:1, 5, 8. w17.04 5 § 7-8.
Jedi 31 oktòb
Met sa nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. — 2 Tim. 3:1.
Apre apot Pòl te fin anonse nan epòk n ap viv kounye a “tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte”, men sa Bondye te pouse l ekri: “Moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou.” (2 Tim. 3:1-5, 13). Èske w wè pwofesi sa a ap reyalize? Gen anpil nan nou ki viktim anba men moun ki mechan, tankou moun ki vyolan k ap toupizi moun, moun ki gen prejije ak moun ki kriminèl e ki fewòs. Gen kèk nan moun sa yo ki fè mechanste aklè, gen lòt ki mètdam ki kache sa yo fè pou yo pran pòz y ap defann sa ki jis. Menmsi nou menm nou pa viktim anba men moun mechan sa yo, aksyon yo gen efè sou nou kanmenm. Sa fè nou mal anpil lè nou aprann vye zak moun sa yo fè. Nou choke anpil lè n aprann fason moun ki mechan yo fè vyolans sou timoun, moun ki aje ak lòt moun ki san defans. Moun ki mechan yo gen yon seri tandans ki pa sanble ak tandans moun genyen, yon seri tandans ki sot nan lachè e ki menm soti nan demon yo (Jak 3:15). Erezman, Pawòl Jewova a ban nou bon nouvèl ki ede n fè fas ak move nouvèl sa yo. w17.04 10 § 4.