BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es20 p. 27-37
  • Mas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mas
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2020
  • Soutit
  • Dimanch 1ye mas
  • Lendi 2 mas
  • Madi 3 mas
  • Mèkredi 4 mas
  • Jedi 5 mas
  • Vandredi 6 mas
  • Samdi 7 mas
  • Dimanch 8 mas
  • Lendi 9 mas
  • Madi 10 mas
  • Mèkredi 11 mas
  • Jedi 12 mas
  • Vandredi 13 mas
  • Samdi 14 mas
  • Dimanch 15 mas
  • Lendi 16 mas
  • Madi 17 mas
  • Mèkredi 18 mas
  • Jedi 19 mas
  • Vandredi 20 mas
  • Samdi 21 mas
  • Dimanch 22 mas
  • Lendi 23 mas
  • Madi 24 mas
  • Mèkredi 25 mas
  • Jedi 26 mas
  • Vandredi 27 mas
  • Samdi 28 mas
  • Dimanch 29 mas
  • Lendi 30 mas
  • Madi 31 mas
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2020
es20 p. 27-37

Mas

Dimanch 1ye mas

Se ou menm k ap domine sou tout bagay. — 1 Kwo. 29:12.

Lè n li de premye chapit liv Jenèz la, li fasil pou n wè jan Adan ak Èv te gen yon kalite libète moun jounen jodi a ka sèlman espere y ap jwenn yon jou, sa vle di, yo pa t nan nesesite, yo pa t pè anyen e yo pa t gen moun k ap fè yo abi. De premye mesyedam yo pa t enkyete yo ditou pou manje, travay, maladi ak lanmò (Jen. 1:27-29; 2:8, 9, 15). Men, anrapò ak libète, gen yon pwen enpòtan nou dwe sonje: Se Jewova Dye sèlman ki gen sa n ka rele yon libète ki san limit. Poukisa? Paske se li menm ki kreye tout bagay, li se Souvren linivè a e l Toupisan (1 Tim. 1:17; Rev. 4:11). Nan ka sa a, tout kreyati ki nan syèl la e ki sou tè a gen sèlman yon libète ki gen limit. Yo dwe rekonèt se Jewova Dye ki gen pi gwo otorite pou l tabli limit li fikse ki jis, ki nesesè e ki rezonab. Anfèt, se sa Jewova Dye te fè depi okòmansman pou moun li te kreye yo. w18.04 4 § 4, 6.

Lendi 2 mas

Ala bèl pye moun k ap pot bon nouvèl la bèl. — Eza. 52:7.

Nan sistèm sa a se grasa èd Jewova sèlman nou kapab andire (2 Kor. 4:7, 8). Men, reflechi ak moun ki pa gen yon amitye solid ak Jewova. Sa difisil anpil pou yo viv nan monn sa a san èd Bondye. Menm jan ak Jezi, nou santi nou gen pitye pou yo e nou vle ba yo “bon nouvèl sou yon bagay ki pi bon”. Pran pasyans ak moun n ap anseye yo. Pa bliye yo ka pa t janm reflechi ak kèk nan verite nou byen konnen ki nan Bib la. E anpil ladan yo vrèman atache ak kwayans yo. Yo ka konsidere kwayans yo kòm yon bagay ki ini yo ak fanmi yo ak kilti yo e ak kominote kote y ap viv la. Anvan nou mande moun yo abandone “ansyen” kwayans yo te genyen e yo te renmen yo, nou ta dwe ede yo gen bonjan apresyasyon pou “nouvo” verite yo, anpalan de verite nan Bib la yo pa t konnen anvan sa. Se sèl lè sa a, y ap pare pou yo abandone ansyen kwayans yo. Sa ka mande tan pou nou ede yo fè chanjman sa yo. — Wom. 12:2. w19.03 23 § 10, 12; 24 § 13.

Madi 3 mas

Mwen pran plezi nan ou. — Mak 1:11.

Egzanp Jewova bay fè nou wè enpòtans pou nou chèche okazyon pou nou ankouraje lòt moun (Jan 5:20). Nou santi nou byen lè yon moun nou apresye montre li renmen nou e li felisite nou pou bon aksyon nou fè. Konsa tou, frè ak sè yo nan kongregasyon an ansanm ak moun nan fanmi nou bezwen nou montre nou renmen yo e yo bezwen n ankouraje yo. Lè nou felisite lòt moun, nou fòtifye lafwa yo e nou ede yo sèvi Jewova fidèlman. Paran yo sitou bezwen ankouraje pitit yo. Lè paran yo felisite pitit yo ak tout kè yo e yo montre yo gen afeksyon pou yo, sa ede timoun yo vin djanm. Lè Jewova di “Mwen pran plezi nan ou” sa montre Jewova te gen konfyans Jezi t ap fè volonte Papa l fidèlman. Konfyans sa a Jewova te gen nan Pitit gason l lan montre nou menm tou nou ka sèten Jezi ap fidèl nan fason li reyalize tout pwomès Jewova fè yo (2 Kor. 1:20). Lè nou egzamine egzanp Jezi, nou ka pran plis detèminasyon pou nou aprann nan men l e pou n suiv tras li. — 1 Pyè 2:21. w19.03 8 § 3; 9 § 5-6.

Mèkredi 4 mas

Lwa lespri sa a ki bay lavi ann inyon ak Kris Jezi a libere w anba lwa peche ak lanmò a. — Wom. 8:2.

Lè n konn vrè valè yon kado ki chè anpil, nou santi n chofe pou n montre rekonesans anvè moun ki te ban nou l lan. Izrayelit yo pa t apresye libète Jewova te ba yo lè l te delivre yo anba esklavaj nan peyi Ejip. Kèk mwa sèlman apre Jewova te fin delivre yo a, yo te kòmanse sonje sa yo te konn manje ak sa yo te konn bwè lè yo te ann Ejip, yo te tonbe plenyen kont dispozisyon Jewova te pran yo, e yo te menm vle retounen ann Ejip. Nou imajine sa, yo te bay ‘pwason, konkonm, melon, powo, zonyon ak lay’ plis valè pase libète yo te genyen pou yo adore Jewova, vrè Dye a. Nou pa sezi dèske Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp li a (Nonb 11:5, 6, 10; 14:3, 4). Ala yon gwo leson pou nou! Apot Pòl te ankouraje tout kretyen yo pou yo pa minimize libète Jewova kontan ban nou pa mwayen Jezi Kris, Pitit Gason l lan. — 2 Kor. 6:1. w18.04 9-10 § 6-7.

Jedi 5 mas

Li renmen ladwati e li renmen jistis. Tè a chaje ak bagay ki montre lanmou fidèl Jewova genyen. — Sòm 33:5.

Nou tout bezwen pou yo renmen nou e nou tout vle pou yo trete nou avèk jistis. Si yo plede fè nou enjistis e moun pa fè nou santi yo renmen nou, nou ka santi nou pa vo anyen e nou dezespere. Jewova konnen nou swaf jwenn lanmou e se pa ti anvi nou anvi jwenn jistis (Sòm 33:5). Nou kapab gen asirans Bondye nou an renmen nou anpil e li vle yo trete nou yon fason ki jis. Sa parèt aklè lè nou byen egzamine Lwa Jewova te bay nasyon Izrayèl la pa mwayen Moyiz. Lè nou egzamine Lwa Moyiz la, nou rive wè gwo lanmou Jewova, Bondye nou an, gen pou nou (Wom. 13:8-10). Nou ka di Lwa Moyiz la te baze sou lanmou paske se lanmou ki pouse Jewova fè tout sa l fè (1 Jan 4:8). Jewova te fè tout lwa ki nan Lwa Moyiz la chita sou de kòmandman prensipal: renmen Bondye ak renmen pwochen nou (Lev. 19:18; Det. 6:5; Mat. 22:36-40). Donk, nou ka atann pou chak kòmandman nan plis pase 600 kòmandman ki nan Lwa Moyiz la fè nou konprann yon aspè nan lanmou Jewova gen lakay li. w19.02 20-21 § 1-4.

Vandredi 6 mas

Kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou. — Mat. 6:21.

Jòb te veye sou konpòtman l genyen ak moun ki pa menm sèks avè l (Jòb 31:1). Antanke yon mesye marye, li te konnen sa pa kòrèk pou l enterese nan lòt fi apa madanm li. Jodi a, n ap viv nan yon monn ki chaje ak tantasyon nan domèn seksyèl. Menm jan ak Jòb, èske n ap refize enterese nan kèlkeswa moun nan alòske nou pa marye avè l? Mete sou sa, èske n ap refize gade vye imaj ki sal oswa imaj pònografi sou kèlkeswa fòm nan (Mat. 5:28)? Si nou metrize nou chak jou nan sans sa a, n ap vin gen fòs pou nou kontinye ret fidèl. Jòb te obeyi Jewova tou nan fason li te konsidere bagay materyèl. Jòb te wè si l ta mete konfyans li nan sa l posede, li t ap fè yon peche grav ki merite pou yo pini l (Jòb 31:24, 25, 28). Jodi a, n ap viv nan yon monn ki bay bagay materyèl anpil enpòtans. Si nou fè efò pou nou gen yon pwennvi ekilibre sou lajan ak bagay nou posede, jan Labib ankouraje nou fè sa, n ap vin gen plis detèminasyon pou nou kontinye ret fidèl. — Pwo. 30:8, 9; Mat. 6:19, 20. w19.02 6 § 13-14.

Samdi 7 mas

Menm jan Papa a renmen m nan, se konsa mwen renmen nou. — Jan 15:9.

Menm jan ak Jewova, Jezi te demontre gwo lanmou pou nou nan tout sa l te fè (1 Jan 4:8-10). Sa k pi enpòtan an, lanmou Jezi te genyen an te pouse l bay lavi l pou nou. Kit nou fè pati moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, kit nou fè pati “lòt mouton” yo, nou tout jwenn byenfè paske Jewova ak Pitit li a te montre lanmou yo gen pou nou pa mwayen sakrifis sa a (Jan 10:16; 1 Jan 2:2). Epitou, fè yon ti reflechi sou bagay yo te itilize nan Memoryal la. Yo montre lanmou ak konsiderasyon Jezi te gen pou disip li yo. Nan ki sans? Jezi te montre lanmou li gen pou disip li yo Bondye chwazi pa mwayen lespri sen pou al nan syèl lefètke li te tabli yon soupe tou senp, ki pa konplike, pou yo ka kontinye fè annapre. Tank tan t ap pase, disip sa yo Bondye chwazi pou al nan syèl t ap gen pou yo kontinye fè Memoryal la chak ane, nan divès kalite sitiyasyon, sa gen ladan l nan prizon (Rev. 2:10). Èske yo te kapab obeyi Jezi? Wi! Depi nan premye syèk la, vrè kretyen yo te toujou fè efò pou yo komemore lanmò Jezi. w19.01 24 § 13-15.

Dimanch 8 mas

N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou. — Jan 8:32.

Libere nou anba ki sa? Anba anpil bagay, tankou fo relijyon, inyorans ak sipèstisyon. Libète sa a pral pèmèt nou “gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. (Wom. 8:21.) Ou ka goute libète sa a depi jodi a lè w “rete nan pawòl” Kris la sa vle di nan sa Kris te anseye yo (Jan 8:31). Konsa, w ap vin “konnen laverite”, pa sèlman lè w aprann li, men lè w viv li tou. Nan vye sistèm sa a, menm sa moun yo rele bèl vi a se yon vi ki kout e ki pa sèten. Nou pa konn sa demen sere (Jak 4:13, 14). Konsa, pi bon bagay pou nou fè, se rete sou chemen k ap mennen nan “lavi toutbon an”. (1 Tim. 6:19.) Yon bagay ki sèten, sèke Bondye pa fòse nou mache nan chemen sa a. Se nou ki pou chwazi. Fè Jewova vin “pòsyon” pa w (Sòm 16:5). Apresye tout “bon bagay” li ba ou (Sòm 103:5). E se pou w sèten Jewova ap fè w gen “anpil lajwa”, wi “lajwa pou toutan”. — Sòm 16:11. w18.12 28 § 19, 21.

Lendi 9 mas

Yon mari pa dwe kite madanm li. — 1 Kor. 7:11.

Tout kretyen dwe fè efò pou yo respekte maryaj, jan Jezi ak Jewova fè sa. Men, gen kèk moun ki pa rive fè sa, paske lèzòm enpafè (Wom. 7:18-23). Donk, sa pa dwe fè n sezi lefètke kèk kretyen nan premye syèk la te jwenn pwoblèm nan maryaj yo. Selon sa Pòl te ekri, “yon madanm pa dwe separe ak mari l”. Aktout sa, gen kèk ka kote sa te rive (1 Kor. 7:10). Pòl pa t esplike ki sa k ka lakòz moun ki marye yo separe. Pwoblèm nan se pa paske mari a fè imoralite, sa ki ta bay madanm nan rezon pou l divòse epi pou l remarye. Selon sa Pòl te ekri, yon madanm ki separe ak mari l dwe “rete san l pa marye, oubyen se pou l rekonsilye ak mari l”. Konsa, yo toule de toujou rete ini nan je Bondye. Pòl te fè konnen kèlkeswa pwoblèm ki ta genyen an, depi se pa imoralite seksyèl, objektif yo se ta dwe rekonsilye. Yo toude kapab chèche konsèy ki baze sou Bib la nan men ansyen nan kongregasyon an. w18.12 13 § 14-15.

Madi 10 mas

Kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye. — Mat. 6:33.

Jodi a, volonte Bondye pou pèp li a se pou yo vin zanmi l e pou yo fè tout sa yo kapab nan travay li a (Mat. 28:19, 20; Jak 4:8). Gen moun ki gen bon entansyon ki ka eseye fè n kite wout sa a. Pa egzanp, ki sa w t ap fè si patwon w ta ba w yon pwomosyon e l ta met yon bon ti kòb sou salè w, men, sa ap pran pye sou aktivite espirityèl ou yo? Si w lekòl toujou, ann sipoze yo ta ba w posiblite pou w kite lakay ou pou w al viv yon lòt kote nan objektif pou w pran plis fòmasyon. Èske se nan moman sa a ou t ap bezwen priye, fè rechèch, pale ak moun nan fanmi w e petèt ansyen yo, epi pou w pran yon desizyon? Èske l pa t ap bon pou w chèche gen panse Jewova sou kesyon sa yo depi kounye a epi w fè panse l vin panse pa w? Konsa, si w ta jwenn yon òf konsa, li ka pa vrèman reprezante yon tantasyon pou ou. Kòm ou gen objektif espirityèl e w pran detèminasyon nan kè w, tout sa w rete pou w fè se aji ann amoni ak desizyon w te deja pran an. w18.11 27 § 18.

Mèkredi 11 mas

Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w. — Pwo. 4:23.

Salomon te vin wa peyi Izrayèl lè l te yon jèn gason. Nan kòmansman rèy li a, Jewova te pale avè l nan yon rèv, li te di l: “Di m ki sa w vle m ba ou.” Men sa Salomon te reponn: “Mwen jèn e mwen pa gen eksperyans. [...] Kidonk, bay sèvitè w la yon kè ki obeyisan tanpri, pou m ka jije pèp ou a.” ​(1 Wa 3:5-10). Lefètke li te mande “yon kè ki obeyisan”, sa montre li pa t ap chèche gwo bagay! Nou ka konprann rezon ki fè Jewova te renmen Salomon (2 Sam. 12:24). Sa jèn wa a te mande Bondye a te tèlman fè Bondye plezi, Bondye te met “sajès ak bon konprann nan kè” l (1 Wa 3:12). Toutotan Salomon te fidèl, li te jwenn anpil benediksyon. Li te gen privilèj konstwi yon tanp “pou bay non Jewova, Bondye Izrayèl la, glwa”. (1 Wa 8:20.) Yo te vin konnen li pou sajès Bondye te ba li a. Nou jwenn sa Bondye te pouse l ekri yo nan twa liv nan Bib la. Youn nan yo se liv Pwovèb la. w19.01 14 § 1-2.

Jedi 12 mas

Sispann konfòme nou ak sistèm sa a. — Wom. 12:2.

Gen kèk moun ki pa dakò ak ide gen moun k ap enfliyanse panse yo. Yo di se yo menm ki dwe pran pwòp desizyon yo, e se nòmal pou yo fè sa. Yo pa vle pou moun kontwole yo, ni yo pa vle pou yo fòse yo aji menm jan ak tout moun. Sepandan, nou ka gen asirans lè n fè panse n vin ann amoni ak panse Jewova sa pa vle di nou abandone tout opinyon pèsonèl nou genyen. Jan sa parèt nan 2 Korentyen 3:17 la, “kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète”. Nou lib pou n gen pwòp pèsonalite nou. Nou chak ka gen bagay nou prefere e n ka chwazi bagay ki enterese nou. Anfèt, Jewova te kreye nou konsa. Sepandan, nou pa ka sèvi ak libète nou an san limit (1 Pyè 2:16). Konsènan sa ki byen ak sa ki mal, Jewova vle se panse l nou jwenn nan Pawòl li a ki pou gide n. w18.11 19 § 5-6.

Vandredi 13 mas

Demas abandone m paske li renmen sistèm ki la kounye a. — 2 Tim. 4:10.

Lè n te aprann laverite, enterè nou te genyen pou bagay materyèl te vin an dezyèm parapò ak objektif espirityèl yo. Nou te kontan fè sakrifis pou n te ka mache nan laverite. Sepandan, nou ka wè lòt moun ap achte aparèy elektwonik dènye modèl oswa ap jwi yon seri lòt avantaj materyèl, e n ka kòmanse santi n manke yon bagay. Nou ka sispann kontante n ak bagay ki nesesè pou n viv yo e n ka met objektif espirityèl yo sou kote pou n chèche gen byen materyèl. Yon konpòtman konsa fè n sonje Demas. Lanmou l te genyen pou “sistèm ki la kounye a” te fè l abandone yon karyè li te gen nan sèvis li t ap fè ansanm ak apot Pòl la. Poukisa Demas te abandone Pòl? Èske se paske l te renmen bagay materyèl plis pase aktivite espirityèl yo? Oswa, èske se paske l pa t dispoze kontinye fè sakrifis pou l sèvi bò kote Pòl? Bib la pa di anyen sou sa. Se sèten nou pa vle vin gen dezi pou bagay materyèl ankò e pou n kite yo fè n pèdi lanmou n gen pou laverite a. w18.11 10 § 9.

Samdi 14 mas

Nou pap mouri pyès. — Jen. 3:4.

Manti Satan te bay la se yon mechanste paske Satan te konnen si Èv te kwè l e l te manje fwi a, Èv t ap mouri. Adan ak Èv te dezobeyi lòd Jewova te bay la e finalman yo mouri (Jen. 3:6; 5:5). Mete sou sa, peche sa a lakòz “lanmò blayi sou tout moun”. Anfèt, “lanmò t ap domine antanke wa menm sou moun ki pa t peche menm jan Adan te peche a”. (Wom. 5:12, 14.) Kounye a, olye lèzòm rive gen yon lavi ki pafè, yon lavi ki pap janm fini, jan Bondye te vle sa okòmansman an, yo byen kontan si yo ka viv pandan ‘70 an, oswa 80 an si yo gen anpil fòs’. Menm lè sa a, byen souvan, se “pwoblèm ak tristès” yo jwenn nan lavi a (Sòm 90:10). Ala tris sa tris! Tout sa rive akoz manti Satan te bay la. Men sa Jezi te di pou l esplike fason Dyab la aji: “Li pa t kenbe fèm nan laverite, paske li pa gen laverite nan li.” ​(Jan 8:44). Satan toujou pa gen laverite nan li, paske li kontinye ap “twonpe lemonnantye” ak manti l yo (Rev. 12:9). Nou pa vle Dyab la twonpe nou. w18.10 6-7 § 1-4.

Dimanch 15 mas

Byennere moun ki renmen fè lapè, piske y ap rele yo ‘pitit Bondye’. — Mat. 5:9.

Moun ki pran inisyativ pou yo fè lapè yo gen bonjan rezon pou yo gen kè kontan. Men sa disip Jak te ekri: “Moun k ap fè lapè yo ap simen semans fwi jistis la nan lapè, e y ap rekòlte fwi li bay.” ​(Jak 3:18). Lè n gen pwoblèm ak yon moun nan kongregasyon an oswa nan fanmi nou, nou ka sipliye Bondye pou l ede n vin moun ki renmen fè lapè. Konsa, nou ka vin gen lespri sen Jewova, bon konduit ak kè kontan. Jezi te montre enpòtans sa genyen pou n pran inisyativ pou n fè lapè lè l te di: “Donk, si w ap pote ofrann ou devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen, w a bay ofrann ou an.” — Mat. 5:23, 24. w18.09 21 § 17.

Lendi 16 mas

M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. — Jan 13:34.

Nan dènye nuit Jezi te pase ak disip li yo, li te pale konsènan lanmou prèske 30 fwa. Li te sitou fè disip li yo konnen se pou “youn renmen lòt”. (Jan 15:12, 17.) Lanmou yo gen youn pou lòt la t ap tèlman parèt klè, sa t ap fè lòt moun wè yo se vrè disip Jezi (Jan 13:35). Lanmou sa a pa yon senp santiman. Jezi t ap pale konsènan yon kalite ki gen plis valè lontan: yon lanmou ki mache ak sakrifis. Men sa l te di: “Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l. Nou se zanmi m si nou fè sa mwen ban nou lòd fè.” ​(Jan 15:13, 14). Se bonjan lanmou ki mache ak sakrifis la ansanm ak inite san fay ki egziste pami sèvitè Jewova yo jodi a ki fè moun rekonèt yo kòm pèp Bondye (1 Jan 3:10, 11). Nou gen anpil rekonesans dèske lanmou sa a ki sanble ak pa Kris la egziste pami sèvitè Jewova yo kèlkeswa nasyonalite yo, tribi yo, lang yo ak orijin yo! w18.09 12 § 1-2.

Madi 17 mas

Se sèten, si yon moun pa bay moun ki sou kont li sa yo gen bezwen, sitou moun lakay li, li nye lafwa. — 1 Tim. 5:8.

Jewova atann pou sèvitè l yo pran swen fanmi yo. Pa egzanp, ou ka travay pou w pran swen moun ou renmen yo nan domèn ekonomik. Gen anpil manman ki ret lakay yo pou yo pran swen timoun piti yo genyen. E gen kèk timoun ki vin gran ki ka oblije pran swen paran yo ki enfim. Aktivite sa yo enpòtan. Si w gen responsablite sa yo, se sèten w ka pa jwenn anpil tan pou aktivite k ap fèt nan sèvis Bondye a jan w ta renmen sa. Men, pa dekouraje! Jewova kontan lè l wè w ap pran swen fanmi w (1 Kor. 10:31). Si w pa gen gwo responsablite nan fanmi w pou kounye a, èske w ka ede adoratè parèy ou yo ki gen moun y ap pran swen, moun ki enfim, moun ki granmoun oswa ki nan bezwen? Poukisa w pa fè yon koudèy nan kongregasyon w lan pou w wè ki moun ki bezwen èd? Lè w fè sa, ou ka ap travay ak Jewova pou l reponn yon priyè. — 1 Kor. 10:24. w18.08 24 § 3, 5.

Mèkredi 18 mas

Bondye te avè l, li te delivre l anba tout tribilasyon l yo. — Tra. 7:9, 10.

Jozèf te gen anviwon 17 an lè pwòp frè l ki te jalou sò l te vann li kòm esklav. Anvan sa, Jozèf se te pitit papa l te pi renmen an (Jen. 37:2-4, 23-28). Pandan anviwon 13 an, Jozèf te oblije soufri akoz li te nan esklavaj e l te nan prizon nan peyi Ejip, pandan l te byen lwen Jakòb, papa l, ki te renmen l anpil. Ki sa k te ede Jozèf pou l pa t dekouraje e pou l pa t gen rankin? Pandan Jozèf t ap soufri nan prizon, li dwe te fikse panse l sou prèv ki te fè l wè Jewova beni l (Jen. 39:21; Sòm 105:17-19). Anplis de sa, rèv Jozèf te konn fè lè l te pi jèn yo, yon seri rèv ki se pwofesi, te ka fè l gen konfyans li gen favè Jewova (Jen. 37:5-11). Petèt, nan plizyè okazyon, li te fè Jewova konnen jan l ap soufri (Sòm 145:18). Pou Jewova te reponn priyè Jozèf te fè ak tout kè l yo, li te fè l gen bonjan konviksyon L ap “avè l” nan tout tribilasyon l yo. w18.10 28 § 3-4.

Jedi 19 mas

Lè yon moun malere, menm vwazen l rayi l, men, moun ki rich la gen anpil zanmi. — Pwo. 14:20.

Richès materyèl se yon lòt bagay ki ka gen efè sou fason n wè lòt moun. Ki jan richès oswa povrete ka gen efè sou fason n wè yon moun? Lespri sen te pouse Salomon ekri yon verite ki tris konsènan lèzòm ki enpafè jan nou wè sa nan tèks pou jounen an. Ki sa pwovèb sa a aprann nou? Si n pa fè atansyon, nou ka chèche fè zanmi ak frè ki rich toutpandan n ap evite frè ki pòv. Poukisa se yon gwo danje lè n mezire valè lòt moun genyen senpleman sou baz richès materyèl yo posede? Si n jije lòt moun sou baz richès materyèl yo genyen, nou ka kreye divizyon nan kongregasyon an. Disip Jak te bay avètisman konsènan pwoblèm sa a ki te lakòz divizyon nan kèk kongregasyon nan premye syèk la (Jak 2:1-4). Nou dwe veye pou n pa kite panse sa a afekte kongregasyon nou yo jodi a e n dwe fè tout efò n pou n pa fè jijman ki baze sou aparans. w18.08 10 § 8-10.

Vandredi 20 mas

Se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt. — 1 Pyè 4:8.

Apresyasyon nou genyen pou relasyon espesyal nou gen ak Jewova a parèt nan fason n trete adoratè parèy nou yo. Yo menm tou yo se byen Jewova. Si n pa janm bliye pwen enpòtan sa a, n ap toujou trete frè n ak sè n yo avèk bonte ak lanmou (1 Tes. 5:15). Men sa Jezi te di disip li yo: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” ​(Jan 13:35). Li enteresan pou n note Malachi fè konnen Jewova ‘ap suiv e l ap koute’ pandan moun ki nan pèp li a ap pale youn ak lòt (Mal. 3:16). Vrèmanvre, Jewova “konnen moun ki pou li yo”. (2 Tim. 2:19.) Li byen konnen tout sa n ap fè ak tout sa n ap di (Ebre 4:13). Lè n pa demontre bonte anvè adoratè parèy nou yo, Jewova ‘ap suiv e l ap koute’. Lè n montre nou akeyan, nou renmen bay, nou konn padone e n demontre bonte youn anvè lòt, nou kapab gen asirans Jewova wè sa tou. — Ebre 13:16. w18.07 26 § 15, 17.

Samdi 21 mas

Se pou nou rete atache [ak Jewova]. — Det. 10:20.

Sa fè sans pou yon moun ret atache ak Jewova. Pa gen pèsonn ki gen plis pisans, plis sajès oswa plis lanmou pase Bondye nou an! Kiyès nan nou ki pa ta renmen pran pozisyon pou li (Sòm 96:4-6)? Aktout sa, gen kèk nan moun k ap adore Bondye yo ki konn anbalan lè yo nan yon sitiyasyon ki mande pou yo pran pozisyon pou Jewova. Ann pran egzanp Kayen. Li pa t fè konnen l ap adore lòt dye apa Jewova. Sepandan, adorasyon Kayen an pa t akseptab nan je Bondye. Semans mechanste te kòmanse fè rasin byen fon nan kè l (1 Jan 3:12). Jewova te chèche ede Kayen, e l te di l: “Si w vin fè sa ki byen, èske w pap gen favè m? Men, si w pa fè sa ki byen, peche kouche ap tann ou nan papòt la, e tout sa l vle se domine w. Men, èske w ap rive gen kontwòl li?” ​(Jen. 4:6, 7). Anfèt, se kòmsi Jewova te di Kayen: “Si w repanti epi w pran pozisyon pou mwen, mwen menm tou m ap pran pozisyon pou ou.” Men, Kayen pa t koute konsèy la. w18.07 17 § 1, 3; 18 § 4.

Dimanch 22 mas

Se pou limyè nou briye devan lèzòm. — Mat. 5:16.

Youn nan fason nou fè limyè nou briye se lè n preche bon nouvèl la epi n fè disip (Mat. 28:19, 20). Anplis de sa, nou ka bay Jewova glwa grasa konduit nou antanke kretyen. Moun yo ap gad konpòtman nou. Yon souri ki amikal ak yon salitasyon ki sensè vle di anpil bagay sou jan de moun nou ye ak ki kalite Dye n ap adore. Men sa Jezi te di: “Lè n ap antre nan yon kay, salye moun nan kay la.” ​(Mat. 10:12). Nan zòn kote Jezi ak apot li yo te konn preche pi souvan, moun yo te gen abitid envite moun ki etranje antre lakay yo. Jodi a, anpil kote, moun yo pa gen abitid sa a. Aktout sa, lè n gen yon atitid ki pozitif e ki amikal, byen souvan, sa ka fè moun nan kay la pa bay tèt li twòp pwoblèm. Li bon pou n kòmanse ak yon bèl souri. Se menm bagay la tou lè frè ak sè yo ap sèvi ak yon charyo nan temwayaj an piblik. Byen souvan, ou ka wè moun yo byen reyaji lè w ba yo yon bèl souri e lè w salye yo avèk jantiyès. w18.06 22 § 4-5.

Lendi 23 mas

Bondye pa gen patipri. — Tra. 10:34.

Apot Pyè te gen abitid pase tan sèlman ak moun ki Juif. Men, apre Bondye te fin montre byen klè kretyen yo pa dwe gen patipri, Pyè te preche Kònèy ki te yon sòlda women (Tra. 10:28, 35). Annapre, Pyè te kontan manje ak moun lòt nasyon ki te vin kwayan yo e l te kontan pase tan ak yo. Sepandan, kèk ane apre sa, Pyè te sispann manje ak kretyen ki pa Juif ki te nan vil Antyòch yo (Gal. 2:11-14). Pou rezon sa a, Pòl te reprimande Pyè avèk fòs, e li klè, Pyè te aksepte reprimann nan. Lè Pyè te ekri premye lèt li te voye bay Juif ak moun lòt nasyon ki te vin kretyen ki te ann Azi minè yo, se ak tout kè l li te pale sou enpòtans pou yo renmen tout frè yo (1 Pyè 1:1; 2:17). Sa klè, apot yo te aprann nan egzanp Jezi te bay pou n renmen “tout kalite moun”. (Jan 12:32; 1 Tim. 4:10.) Byenke sa te pran tan, yo te korije fason yo te panse. Piske premye kretyen yo te abiye ak “nouvo pèsonalite a”, yo te vin rann yo kont tout moun gen menm enpòtans nan je Bondye. — Kol. 3:10, 11. w18.06 11 § 15-16.

Madi 24 mas

Kenbe fèm [...]. Mete pwotèj pwatrin jistis la sou nou. — Efe. 6:14.

Youn nan kalite pwotèj pwatrin sòlda women yo te konn met sou yo nan premye syèk la te fèt ak yon seri plak an fè ki te kole youn ak lòt nan sans orizontal. Kalite ekipman sa a te mande pou sòlda a toujou ap tcheke pou l wè si plak an fè yo byen tache nan plas yo yon fason pou yo te pwoteje l pou yon epe oswa pwent yon flèch pa pèse kè l. Ala yon egzanp apwopriye ki montre fason prensip Jewova yo ki dwat ka pwoteje kè senbolik nou an (Pwo. 4:23)! Yon sòlda pap boukante yon pwotèj pwatrin ki fèt an fè pou youn ki fèt ak yon metal ki pa twò solid, konsa tou, nou pa ta dwe janm boukante prensip Jewova bay sou sa ki dwat yo pou prensip ki parèt dwat nan je nou (Pwo. 3:5, 6). Se chak jou nou tcheke pou n wè si ‘plak an fè’ Jewova ban nou yo fikse byen solid sou kè nou. Epitou, plis nou renmen verite Bondye bay la, se plis l ap pi fasil pou n met “pwotèj pwatrin” nan sou nou, sètadi pou n viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis. — Sòm 111:7, 8; 1 Jan 5:3. w18.05 28 § 3-4, 6-7.

Mèkredi 25 mas

Pèp la te pete yon sèl diskisyon ak Moyiz. — Nonb 20:3.

Izrayelit yo te plenyen nonsèlman pou dlo yo pa t jwenn, men tou yo te plenyen kont Moyiz, kòmsi se li ki te fè yo pa t jwenn dlo (Nonb 20:1-5, 9-11). Moyiz te tèlman fache, li te sispann aji avèk dousè. Olye li te pale ak wòch la, jan Jewova te ba l lòd fè sa a, li te pale rèd ak pèp la, epi l te fè konnen li pral fè yon mirak. Li frape wòch la de fwa epi dlo vide. Ògèy ak kòlè te lakòz Moyiz fè yon gwo erè (Sòm 106:32, 33). Bondye pa t kite Moyiz antre nan Peyi li te pwomèt la, paske pandan yon ti tan Moyiz te manke imilite (Nonb 20:12). Gen gwo leson nou ka aprann nan sa. Premyèman, nou dwe toujou fè efò pou nou kontinye gen imilite. Si nou sispann travay pou n gen kalite sa a, nan yon tikras tan, nou ka vin gen ògèy e sa ka lakòz nou pale oubyen nou aji yon fason ki pa kòrèk. Dezyèmman, lè nou anba strès li ka difisil pou nou kontinye aji ak imilite. Se sa k fè, nou dwe fè tout sa n kapab pou nou kontinye aji ak imilite menm lè nou anba presyon. w19.02 12-13 § 19-21.

Jedi 26 mas

Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a. — Mat. 24:14.

Èske kòmandman Jezi te bay pou n preche a se yon kòmandman ki lou pou moun obeyi? Okontrè. Apre Jezi te fin bay egzanp pye rezen an, li te fè konnen, antanke moun k ap preche mesaj Wayòm nan, n ap gen kè kontan (Jan 15:11). Anfèt, li te ban nou asirans n ap gen kè kontan li genyen an. Ki fason? Jezi te konpare tèt li ak yon pye rezen e disip li yo ak branch yo (Jan 15:5). Se pye rezen an ki kenbe branch yo. Toutotan branch yo ret kole nan pye rezen an, yo jwenn dlo ak manje k ap sikile nan pye rezen an. Menm jan an tou, toutotan nou ret ann inyon ak Kris lè n suiv tras li pye pou pye, n ap gen menm kè kontan li genyen lè l ap fè volonte Papa l (Jan 4:34; 17:13; 1 Pyè 2:21). Men sa Hanne, ki gen plis pase 40 an depi l pyonye, fè konnen: “Kè kontan m toujou genyen apre m sot preche ankouraje m pou m kontinye nan sèvis Jewova a.” Vrèmanvre, yon jwa ki pwofon ban nou fòs pou n kontinye preche menm nan tèritwa ki difisil yo. — Mat. 5:10-12. w18.05 17 § 2; 20 § 14.

Vandredi 27 mas

Yo te chwazi m pou m anseye nasyon yo sou lafwa ak laverite. — 1 Tim. 2:7.

Nan premye syèk la, pami apot yo, petèt se Pòl ki te fè plis efò pou l ankouraje frè l yo. Pa mwayen lespri sen, Bondye te voye apot Pòl al preche moun lòt nasyon yo ki te anba dominasyon Grèk ak Women yo, e ki te konn adore plizyè dye (Gal. 2:7-9). Pòl te vwayaje nan tout rakwen nan peyi ki rele Tiki kounye a, e l te vwayaje tou al nan peyi Lagrès ak Itali, li t ap tabli kongregasyon pami moun ki pa t Juif yo. Kretyen ki te fèk konvèti yo te soufri “anba men moun menm peyi avèk [...] yo” e yo te bezwen ankourajman (1 Tes. 2:14). Ozanviwon ane 50 epòk nou an, men sa Pòl te ekri kongregasyon ki te fèk fòme nan vil Tesalonik la: “Nou toujou di Bondye mèsi lè nou sonje nou tout nan priyè nou yo. Paske, nou pa janm bliye travay nou akonpli grasa lafwa nou, travay di nou fè avèk amou, ak andirans nou genyen.” ​(1 Tes. 1:2, 3). Li te ankouraje yo tou pou youn fòtifye lòt, lè l te di: “Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt.” — 1 Tes. 5:11. w18.04 18-19 § 16-17.

Samdi 28 mas

Fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon. — Mak 13:10.

Yon jèn ki konsantre lavi l sou anvi l genyen pou l fè Jewova plezi ap bay travay predikasyon an yon atansyon espesyal. Piske travay predikasyon an ijan anpil, se li ki ta dwe antèt nan lis priyorite nou yo. Èske w ka fikse objektif pou w patisipe pi souvan nan travay predikasyon an? Èske w ka pyonye? Men, e si w pa jwenn anpil kè kontan lè w ap preche? Epitou, ki jan w ka vin pi efikas lè w ap bay temwayaj? Gen de etap fondamantal k ap ede w: Byen prepare, epi pa sispann pataje sa w konnen yo ak lòt moun. Ou ka sezi wè jan w gen anpil kè kontan lè w ap preche. Ou ka kòmanse prepare repons pou yon kesyon elèv yo abitye poze nan lekòl la, tankou: “Poukisa w kwè nan Bondye?” Sit Entènèt jw.org la gen atik ki la pou ede jèn yo prepare yo pou reponn kesyon sa a. W ap jwenn yon fich aktivite ki gen tit: “Poukisa m kwè nan Bondye?” Fich aktivite a ap gide w pou w prepare repons pa w. w18.04 27 § 10-11.

Dimanch 29 mas

Fè pitit, fè anpil pitit. — Jen. 1:28.

Menm lè Adan ak Èv te gen libète nan anpil domèn okòmansman, yo te gen kèk limit pou yo respekte. Gen kèk nan yo ki te natirèl, men, se limit yo te ye kanmenm. Pa egzanp, premye paran nou yo te konnen pou yo kontinye viv, yo te dwe respire, manje, dòmi, eksetera. Èske yo t ap santi yo pèdi nan libète yo piske yo te dwe fè bagay sa yo? Non, paske Jewova te asire l menm lè yo t ap fè bagay sa yo pa woutin, yo t ap gen kè kontan ak satisfaksyon (Sòm 104:14, 15; Ekl. 3:12, 13). Yon fason klè, Jewova te bay Adan ak Èv lòd pou yo plen tè a ak moun e pou yo pran swen tè a. Èske lòd sa a te fè yo pèdi libète yo nan kèk domèn? Non, jamè! Bondye te bay lòd sa a pou pèmèt lèzòm patisipe nan objektif li antanke Sila a ki kreye yo a, sètadi pou fè tè a vin yon paradi pou yon ras moun ki pafè viv sou li pou toutan (Sòm 127:3; Eza. 45:18). Adan ak Èv te ka jwenn anpil kè kontan nan lavi yo toutpandan yo t ap jwi maryaj yo e yo t ap gen fanmi yo avè yo pou tout letènite. w18.04 4-5 § 7-8.

Lendi 30 mas

Tout moun ki te nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an te vin kwè. — Tra. 13:48.

Si nou pran pasyans ak moun n ap anseye yo, nou pap atann pou yo konprann verite ki nan Bib la depi premye fwa yo tande l la oswa pou yo gentan aksepte yo. Ann reflechi sou fason nou ta ka rezone ak yon moun sou esperans nou genyen pou nou viv sou tè a pou toutan. Gen anpil moun ki panse lanmò mete yon fen nan tout bagay oswa tout bon moun pral nan syèl. Men ki sa yon frè fè pou l ede moun konprann esperans pou moun viv pou toutan sou tè a. Premyèman, li li Jenèz 1:28. Apre sa, li mande moun yo ki kote Bondye te vle pou lèzòm viv e nan ki kondisyon. Pifò moun konn di: “Sou tè a, nan bon kondisyon.” Apre sa, frè a li Ezayi 55:11 epi li mande moun yo si objektif Bondye te genyen an chanje. Byen souvan, moun yo konn di non. Finalman frè a li Sòm 37:10, 11 epi li mande ki jan bagay yo pral ye alavni. Grasa rezònman biblik sa a, frè a rive ede yon pakèt moun konprann Bondye toujou vle pou bon moun viv pou toutan nan Paradi a sou tè a. w19.03 24 § 14-15; 25 § 19.

Madi 31 mas

Koute l. — Mat. 17:5.

Jewova montre aklè li vle pou nou koute pawòl Pitit Gason l lan e li vle nou obeyi pawòl sa yo. Avèk lanmou Jezi te anseye disip li yo fason pou yo preche bon nouvèl la e li pa t sispann fè yo sonje pou yo kontinye veye (Mat. 24:42; 28:19, 20). Li te mande yo tou pou yo fè gwo efò e l te ankouraje yo pou yo pa lage sa (Lik 13:24). Jezi te montre nesesite pou disip li yo renmen youn lòt, pou yo rete ini e pou yo obeyi kòmandman l yo (Jan 15:10, 12, 13). Jodi a konsèy sa a gen menm enpòtans ak lè Jezi te bay li a. Jezi te di: “Tout moun ki pou laverite koute vwa mwen.” ​(Jan 18:37). Nou montre nou koute vwa l lè “youn kontinye sipòte lòt e [...] youn kontinye padone lòt ak tout kè l”. (Kol. 3:13; Lik 17:3, 4.) Mete sou sa, nou montre nou koute vwa l lè nou preche bon nouvèl la avèk zèl “ni nan tan favorab, ni nan tan difisil”. — 2 Tim. 4:2. w19.03 10 § 9-10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje