Avril
Mèkredi 1ye avril
[Jezi] di l: “Pase dèyè m, Satan! [...] Se pa panse Bondye ou gen nan tèt ou, men se panse lèzòm.” — Mat. 16:23.
E nou menm? Èske nou gen panse Bondye oswa panse monn sa a? Se vre, nou ka deja konfòme konduit nou ann amoni ak sa Bondye mande. Men, e panse nou yo? Èske n chèche fè panse n ak fason n wè bagay yo vin ann amoni ak panse Jewova? Sa mande anpil efò pou n rive fè sa. Yon lòt bò, nou pa bezwen fè efò pou n panse menm jan ak monn nan. Rezon an se paske lespri monn nan toutotou nou (Efe. 2:2). Epitou, kòm fason monn nan panse a souvan fè n panse ak tèt pa nou, li ka atire nou pi fasil. Wi, sa mande efò pou n panse menm jan ak Jewova, men li pi fasil pou n panse menm jan ak monn nan. Sepandan, si n kite monn nan enfliyanse panse n, n ap vin egoyis e n ap vle deside pou tèt nou sa ki byen ak sa ki mal (Mak 7:21, 22). Kidonk, li enpòtan anpil pou n chèche gen “panse Bondye” olye n gen “panse lèzòm”. w18.11 18 § 1; 19 § 3-4.
Jedi 2 avril
Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. — Mat. 3:17.
Se pa ti ankouraje Jezi dwe te santi l ankouraje lè Jewova te montre l apwouve l nan twa okazyon. Jewova te di pawòl ki nan tèks pou jounen an yon ti tan apre Jezi te fin batize. Jan ki te konn batize moun nan se sèl lòt moun ki te tande pawòl sa yo. Epi, anviwon ennan anvan lanmò Jezi, gen twa nan apot li yo ki te tande Jewova di pawòl ki vin annapre yo konsènan Jezi: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. Koute l.” (Mat. 17:5). Finalman, kèk jou anvan lanmò Jezi, yon lòt fwa ankò, Jewova te pale ak Pitit Gason l lan detan l nan syèl la (Jan 12:28). Aktout Jezi te konnen l t apral mouri nan lawont, li te priye pou se volonte Jewova ki fèt olye se volonte pa l (Mat. 26:39, 42). Li te “andire anba lanmò sou yon poto soufrans, li [te] meprize lawont”, li pa t chèche jwenn apwobasyon monn sa a, men, se apwobasyon Papa l sèlman li te chèche — Ebre 12:2; w18.07 10-11 § 15-16.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche: 9 Nizan) Mak 14:3-9
Vandredi 3 avril
Papa, si se volonte w, retire koup sa a devan m. — Lik 22:42.
Yon ti tan apre Jezi te fin tabli Soupe Seyè a, li te montre li gen anpil kouraj. Ki jan l te fè sa? Jezi te aksepte fè volonte Papa l, menm lè li te konnen sa t ap mande pou yo touye l tankou yon moun k ap sal non Bondye (Mat. 26:65, 66). Jezi te montre li fidèl nèt, yon fason pou l onore non Jewova, pou l soutni dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an, e li te ouvri wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an pou moun ki repanti yo. Anmenmtan tou, li te prepare disip li yo pou sa k t ap tann yo pi devan. Jezi te montre anpil kouraj tou lefètke li pa t ret ap reflechi sou kèlkeswa pwoblèm li te ka genyen e lefètke li te konsantre l sou sa apot fidèl li yo te bezwen. Memoryal la li te tabli apre li te fin voye Jida ale t ap fè moun Bondye t ap gen pou chwazi pou al nan syèl yo sonje y ap jwenn byenfè grasa san Jezi e lefètke yo fè pati nouvo alyans lan. — 1 Kor. 10:16, 17. w19.01 22 § 7-8.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 9 Nizan an) Mak 11:1-11
Samdi 4 avril
Papa, fè non w jwenn glwa. — Jan 12:28.
Lè sa a, detan Papa Jezi nan syèl la, li di: “Mwen te fè l jwenn glwa e m ap fè l jwenn glwa ankò.” Jezi te boulvèse akoz gwo responsablite li te gen sou do l pou l rete fidèl ak Jewova. Jezi te byen konnen li pral soufri akoz yo t apral bat li yon fason ki brital e li t apral mouri yon fason ki terib (Mat. 26:38). Plis pase tout lòt moun, Jezi te vle bay non Papa l glwa. Yo te akize Jezi kòmkwa l ap fè blasfèm e li te pè pou fason l t apral mouri a pa t lage vèni sou non Bondye. Menm jan ak Jezi, nou menm tou nou enkyè lè nou wè y ap lage vèni sou non Jewova. Petèt nou konn sibi enjistis menm jan ak Jezi. Oswa nou konn boulvèse akoz manti opozan yo konn ap gaye sou nou. Nou ka ap reflechi tou sou fason manti sa yo ka lage vèni sou non Jewova ak òganizasyon l lan. Nan moman sa yo, pawòl Jewova te di yo ka konsole nou anpil. Jewova pap janm manke bay non l glwa. — Sòm 94:22, 23; Eza. 65:17. w19.03 11-12 § 14-16.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 10 Nizan an) Mak 11:12-19
Dimanch 5 avril
Jezi kòmanse ap esplike disip li yo fòk [...] li sibi anpil bagay [...] e yo gen pou yo touye l. — Mat. 16:21.
Disip Jezi yo pa t ka kwè sa yo tande a. Jezi, sila a yo te atann ki t ap retabli wayòm Izrayèl la, te di li t apral soufri e l t ap mouri anvan lontan. Apot Pyè te pran lapawòl. Men sa l te di: “Pa di bagay konsa non, Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” Jezi reponn li: “Pase dèyè m, Satan! Ou se yon obstak pou mwen, paske se pa panse Bondye ou gen nan tèt ou, men se panse lèzòm.” (Mat. 16:22, 23; Tra. 1:6). Lè Jezi te di pawòl sa yo, li te montre gen yon diferans ant panse ki soti nan Bondye ak panse ki soti nan monn sa a Satan ap dirije a (1 Jan 5:19). Pyè te montre l gen menm atitid ak moun nan monn nan ki egoyis. Men, Jezi te konnen panse Papa l yo te diferan. Nan repons Jezi te bay Pyè a, yon fason klè, li te rejte panse monn nan e l te kenbe panse Jewova yo. w18.11 18 § 1-2.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 11 Nizan an) Mak 11:20–12:27, 41-44
Lendi 6 avril
Kontinye anonse lanmò Seyè a jiskaske l vini. — 1 Kor. 11:26.
Imajine sa Jewova wè lè plizyè milyon moun rasanble toupatou sou tè a pou selebre Soupe Seyè a. Li pa sèlman wè gwoup moun ki rasanble a, men li wè chak moun ki la yo. Pa egzanp, li wè moun ki toujou vini chak ane yo. Pami yo, gendwa gen moun ki vini malgre yo jwenn gwo pèsekisyon. Gen lòt ki pa toujou vini nan lòt reyinyon nou fè yo, men yo santi Memoryal la tèlman enpòtan yo pa dwe rate l. Jewova wè moun ki vin nan Memoryal la pou premye fwa tou, petèt jis pou yo wè jan sa fèt. Se sèten, Jewova kontan wè kantite moun sa yo ki asiste Memoryal la (Lik 22:19). Men, sa Jewova bay plis enpòtans se pa kantite moun ki vini yo, men se rezon ki fè yo vini. Èske nou chofe pou nou jwenn enstriksyon nan men Jewova ak nan men òganizasyon l ap itilize a? — Eza. 30:20; Jan 6:45. w19.01 26 § 1-3.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 12 Nizan an) Mak 14:1, 2, 10, 11; Matye 26:1-5, 14-16
Dat Memoryal la
Apre solèy la fin kouche
Madi 7 avril
Kris mouri pou nou. — Wom. 5:8.
Jezi pa t sèlman vle mouri pou disip li yo, men tou, chak jou nan lavi l, li te mete enterè disip li yo anvan enterè pa l. Pa egzanp, li pa t kite fatig oswa gwo tètchaje li te genyen fè l pa t reyini ak disip li yo (Lik 22:39-46). E li pa t konsantre sou sa li ka jwenn nan men lòt moun, men pito, sou sa li ka bay lòt moun (Mat. 20:28). Nou fè pati sèl vrè òganizasyon an, e nou kontan itilize kantite tan nou kapab pou nou envite lòt moun vin fè pati vrè òganizasyon sa a. Men, nou sitou vle ede moun ki “fanmi nou nan lafwa”, men ki sispann preche oswa asiste reyinyon yo (Gal. 6:10). Nou montre nou renmen yo lè nou ankouraje yo asiste reyinyon yo, sitou Memoryal la. Menm jan ak Jewova ak Jezi, se pa ti kontan nou kontan lè yo retounen vin jwenn Jewova, Papa nou ki renmen nou e ki se Bèje nou. — Mat. 18:14. w19.01 29 § 12, 14; 30 § 15.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 13 Nizan an) Mak 14:12-16; Matye 26:17-19 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche: 14 Nizan) Mak 14:17-72
Mèkredi 8 avril
Sa a reprezante kò m. [...] Sa a reprezante san m, ‘san alyans lan’. — Mat. 26:26-28.
Lè Jezi te etabli Memoryal lanmò l, sèl sa l te itilize se te pen san ledven ak diven ki te rete apre yo te fin manje manje Pak la. Jezi te di apot li yo de bagay senp sa yo te reprezante kò l ki pafè ak san l li t apral ofri pou yo. Sandout, apot yo pa t sezi wè jan nouvo evènman enpòtan sa a te senp. Sa k fè yo pa t sezi? Kèk mwa anvan sa, pandan Jezi t al lakay Laza, Mat ak Mari, ki te bon zanmi l, Jezi te kòmanse anseye. Mat te la, men li te okipe ap fè yon gwo manje pou envite espesyal sa a. Jezi te wè sa, se sa k fè l te korije Mat avèk jantiyès. Li te ede l wè li pa toujou nesesè pou gen yon manje ki konplike (Lik 10:40-42). Kèk tan annapre, Jezi te aplike konsèy li te bay Mat la kèk èdtan sèlman anvan li te mouri. Li te tabli Memoryal la yon fason ki senp. w19.01 20-21 § 3-4.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 14 Nizan an) Mak 15:1-47
Jedi 9 avril
Papa, fè m jwenn glwa, fè m vin bò kote w pou m ka gen glwa mwen te genyen [an]. — Jan 17:5.
Jewova te onore Jezi yon fason li pa t atann lè l te resisite l epi l leve l met nan “yon pozisyon ki wo”, e l te ba l yon bagay okenn lòt moun potko resevwa nan moman sa a, anpalan de lavi imòtèl antanke yon espri (Flp. 2:9; 1 Tim. 6:16)! Ala yon bèl fason Jewova te montre l apwouve Jezi pou fidelite l! Ki sa k ap ede n evite chèche apwobasyon monn sa a? Pa janm bliye Jewova toujou apwouve sèvitè fidèl li yo e byen souvan, li fè sa fason yo pa t atann. Kiyès ki konnen ki benediksyon nou pral jwenn alavni san nou pa menm atann sa? Men, pou kounye a, toutpandan n ap andire anba eprèv ak difikilte nan monn mechan sa a, ann toujou sonje se pase monn sa a ap pase (1 Jan 2:17). Jewova, Papa nou an ki renmen nou, “pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l”. — Ebre 6:10. w18.07 11 § 17-18.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 15 Nizan an) Matye 27:62-66 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche: 16 Nizan) Mak 16:1
Vandredi 10 avril
Mwen fè w demann [...] pou yo tout ka vin youn. — Jan 17:20, 21.
Nan dènye soupe Jezi te pran ak apot li yo, li te montre l enkyè konsènan kesyon tèt ansanm nan. Pandan l t ap priye ak yo, li te fè konnen jan l ta renmen pou tout disip li yo vin fè youn, menm jan li menm ak Papa l fè youn. Tèt ansanm yo t ap vin genyen an t ap yon gwo temwayaj, se t ap yon prèv byen klè ki montre Jewova te voye Jezi sou tè a pou l fè volonte L. Lanmou t ap yon prèv ki montre kiyès ki vrè disip Jezi e l t ap ede yo gen tèt ansanm (Jan 13:34, 35). Nou konprann rezon ki fè Jezi te met aksan sou kesyon inite a. Li te rann li kont apot li yo te manke tèt ansanm oswa amoni nan mitan yo, jan sa te parèt nan dènye soupe l te pran ak yo a. Jan sa te pase anvan sa, yo t ap fè diskisyon pou yo konnen “kiyès nan yo ki pi enpòtan”. (Lik 22:24-27; Mak 9:33, 34.) Yon lòt lè, Jak ak Jan te mande Jezi pou l ba yo plas ki enpòtan bò kote l nan Wayòm li an. — Mak 10:35-40. w18.06 8 § 1-2.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 16 Nizan an) Mak 16:2-8
Samdi 11 avril
Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e y ap vin yon sèl chè. — Jen. 2:24.
Jewova vle pou moun ki marye yo tèlman renmen youn lòt pou lanmou yo dire toutan (Mat. 19:3-6). Adiltè se youn nan mechanste ki pi rèd yon moun ka fè ki montre li pa gen lanmou. Nou ka konprann rezon ki fè setyèm kòmandman nan Dis Kòmandman yo kondane adiltè (Det. 5:18). Se yon peche “kont Bondye” e se yon gwo mechanste kont moun li marye avè l la (Jen. 39:7-9). Moun yo fè adiltè sou li a ka soufri pandan plizyè dizèn ane. Jewova vrèman vle pou timoun yo kontan e pou yo santi yo byen. Jewova te bay paran yo lòd pou yo pran swen pitit yo nonsèlman nan domèn materyèl men tou nan domèn espirityèl. Paran yo te dwe pwofite tout okazyon pou yo ede pitit yo konprann Lwa Jewova te bay la, pou yo respekte l e pou yo aprann renmen Jewova (Det. 6:6-9; 7:13). Paran yo pa t dwe konsidere pitit yo tankou yon bagay yo genyen yo ka neglije oswa yo ka maltrete, men yo te dwe konsidere yo tankou yon eritaj, yon kado Jewova ba yo e yo ta dwe bay anpil valè. — Sòm 127:3. w19.02 21 § 5, 7.
Dimanch 12 avril
Bondye [...] ap wè m fidèl. — Jòb 31:6.
Jòb te kontinye ret fidèl paske li te gen espwa Bondye ap rekonpanse l. Li te kwè Bondye te bay fidelite l anpil valè. Menm lè Jòb te jwenn eprèv, li te toujou gen asirans Jewova t ap rekonpanse l alafen. Sandout, asirans sa a li te genyen an te ede l kontinye ret fidèl. Jewova te tèlman kontan poutèt Jòb te fidèl, li te rekonpanse Jòb anpil aktout Jòb te enpafè (Jòb 42:12-17; Jak 5:11). E Jòb pral jwenn pi gwo rekonpans toujou. Bondye nou an pa chanje (Mal. 3:6). Si nou sonje Bondye bay fidelite nou anpil valè, n ap ka kontinye kenbe bèl esperans nou genyen an vivan nan lespri nou (1 Tes. 5:8, 9). Pafwa, ou ka santi se ou menm sèl k ap goumen pou w montre w fidèl nan yon sitiyasyon. Men, ou pap janm poukont ou. W ap pami plizyè milyon moun fidèl ki kontinye kenbe fidelite yo toupatou sou tè a. Epitou, y ap konte w pami yon pakèt gason ak fi ki te gen lafwa ki te kontinye rete fidèl nan tan lontan menm devan lanmò. — Ebre 11:36-38; 12:1. w19.02 7 § 15-16.
Lendi 13 avril
Se pou nou tout gen menm panse, se pou nou montre nou gen senpati, se pou nou gen afeksyon pou frè yo, se pou nou gen kè sansib ak imilite. — 1 Pyè 3:8.
Tank Memoryal la ap pwoche, li ta bon pou nou mande tèt nou: ‘Ki jan m ka pi byen demontre lanmou menm jan ak Jezi? Èske m panse plis ak bezwen kwayan parèy mwen olye m panse ak bezwen pa m? Èske m atann plis bagay nan men frè ak sè m yo pase sa yo ka fè, oswa èske m konprann limit yo genyen?’ Se pou nou toujou imite Jezi epi montre “nou gen senpati”. Talè konsa, nou pap gen pou nou obeyi lòd pou nou selebre Memoryal lanmò Kris la. Lè Jezi “vini” pandan gwo tribilasyon an, l ap rasanble “moun Bondye chwazi yo”, moun ki rete yo, pou y al nan syèl, e lè sa a, n ap sispann selebre Memoryal la (1 Kor. 11:26; Mat. 24:31). Menm lè nou pa selebre Memoryal la ankò, nou ka sèten pèp Jewova a pap janm bliye jan soupe tou senp sa a te montre pi gwo egzanp imilite, kouraj ak lanmou yon moun te ka janm demontre. w19.01 25 § 17-19.
Madi 14 avril
Ou pran plezi nan moun ki gen laverite nan fon kè yo. Aprann mwen ki jan pou m gen vrè sajès la nan kè m. — Sòm 51:6.
Ann fè yon ti reflechi sou jan pran swen sante nou ede n wè enpòtans pou n pran swen kè senbolik nou an. Premyèman, pou kò nou ka ret an sante, nou dwe manje manje ki bon pou sante nou e nou bezwen fè egzèsis regilyèman. Menm jan an tou, pou nou rete an sante nan domèn espirityèl, nou dwe manje yon seri manje espirityèl ki bon pou sante nou epi nou bezwen toujou demontre lafwa nou nan Jewova. N ap fè sa lè nou aplike sa nou aprann yo ak lè nou pale konsènan lafwa nou ak lòt moun (Wom. 10:8-10; Jak 2:26). Dezyèmman, yon moun ka parèt an sante alòske li gendwa malad pa anndan. Menm jan an tou, nou ka panse lafwa nou djanm paske n gen yon seri abitid espirityèl, men move dezi ka ap grandi anndan nou (1 Kor. 10:12; Jak 1:14, 15). Nou dwe sonje Satan vle kontamine panse nou. w19.01 15 § 4-5.
Mèkredi 15 avril
Ou mèt ale, epi fè menm bagay la tou. — Lik 10:37.
Nou kapab mande tèt nou: ‘Èske m fè menm bagay la? Èske m fè sa Samariten an ki te gen konpasyon te fè a (Lik 10:30-35)? Èske m ka pi aktif nan demontre mizèrikòd e m ka fè plis aksyon pozitif pou m demontre bonte anvè moun k ap soufri yo? Pa egzanp, èske m ka chèche ede kretyen parèy mwen yo ki granmoun e ki vèv, ansanm ak timoun ki pa gen papa yo k ap sèvi Jewova? Èske m ka pran inisyativ pou m “pale yon fason pou [m] konsole moun ki tris yo”?’ (1 Tes. 5:14; Jak 1:27). Lè n aji ak mizèrikòd anvè lòt moun, nou vin gen kè kontan yon moun jwenn lè l bay. Mete sou sa, nou konnen nou fè Jewova plezi (Tra. 20:35; Ebre 13:16). Men ki sa wa David te di konsènan yon moun ki pran ka lòt moun: “Jewova ap pwoteje l, l ap fè l ret vivan. Moun sou tè a ap fè konnen li gen kè kontan.” (Sòm 41:1, 2). Anplis de sa, lè n fè aksyon ki demontre konpasyon pou lòt moun, n ap nan pozisyon pou n resevwa mizèrikòd Jewova, sa ki ka fè n gen kè kontan pou toutan. — Jak 2:13. w18.09 19 § 11-12.
Jedi 16 avril
Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. — Eza. 41:10.
Gen yon sè fidèl ki te rele Yoshiko ki te resevwa yon move nouvèl. Doktè l te di l li rete sèlman kèk mwa pou l viv. Ki jan sè a te reyaji? Yoshiko te sonje youn nan vèsè li pi renmen nan Bib la ki se tèks pou jodi a. Apre sa, li te rete byen kalm epi li te di doktè a li pa pè paske Jewova ap kenbe men l. Mesaj ki nan vèsè a te bay sè nou an fòs e li te ede l met konfyans li nan Jewova nèt. Menm vèsè sa a ka ede nou rete kalm lè n ap fè fas ak gwo pwoblèm. Okòmansman, Jewova te fè Ezayi ekri pawòl sa yo pou bay Juif ki t apral ann egzil Babilòn yo fòs. Men, Jewova te fè konsève mesaj sa a nonsèlman pou byen Juif ki t apral ann egzil yo men tou pou byen tout pèp li a annapre (Eza. 40:8; Wom. 15:4). Jodi a, n ap viv nan ‘tan ki di e ki difisil pou moun sipòte’, e plis pase nenpòt lè, nou bezwen ankourajman nou jwenn nan liv Ezayi a. — 2 Tim. 3:1. w19.01 2 § 1-2.
Vandredi 17 avril
Si moun ki pa kwayan an vle separe, li mèt separe. — 1 Kor. 7:15.
Menmsi yo separe, yo toujou mari ak madanm e menmsi yo pap viv menm kote, yo ka jwenn pwoblèm kanmenm. Apot Pòl te bay yon rezon pou moun ki marye yo rete ansanm: “Mari ki pa kwayan an vin sen parapò ak madanm li, e madanm ki pa kwayan an vin sen parapò ak frè a. Si se pa t sa, pitit nou yo pa t ap pwòp, men kounye a, yo sen.” (1 Kor. 7:14). Anpil kretyen ki fidèl ret ansanm ak moun yo marye avè l la ki pa kwayan, menm lè sitiyasyon yo difisil anpil. Yo pa regrèt yo te fè sa sitou lè yo wè moun yo marye avè l la vin ap adore Jewova menm jan avè yo (1 Kor. 7:16; 1 Pyè 3:1, 2). Jodi a, sou tout tè a, chaje maryaj ki reyisi nan òganizasyon Bondye a. Sandout, gen anpil moun marye ki gen kè kontan nan kongregasyon an. Frè nan kongregasyon an se frè ki fidèl, yo renmen madanm yo e madanm yo ki fidèl renmen yo e yo respekte yo. Yo tout montre moun ka onore maryaj. — Ebre 13:4. w18.12 14 § 18-19.
Samdi 18 avril
Jewova Dye te plante yon jaden ann Edenn [...] e se la li te mete gason li te fè a. — Jen. 2:8.
Edenn vle di “plezi” e jaden sa a te vrèman agreyab. Te gen anpil manje, bèl peyizaj, e pakèt bèt ki te genyen yo te antann yo byen (Jen. 1:29-31). Mo grèk yo itilize pou yo tradui mo ebre ki pou “jaden” an se paradeyisos. Gen yon ansiklopedi (Cyclopaedia M’Clintock ak Strong) ki fè konnen yon Grèk ki tande mo paradeyisos la ta ka imajine yon bèl jaden ki gwo anpil ki pwoteje kont tout bagay ki ka bay pwoblèm, kote ki gen anpil gwo pyebwa k ap bay plizyè kalite fwi, kote ki gen bèl dlo k ap koule e ki gen bon zèb pou bèt manje. (Konpare ak Jenèz 2:15, 16.) Bondye te mete Adan ak Èv nan yon paradi konsa, men yo te vin pa kalifye pou yo ret ladan l paske yo te dezobeyi Bondye. Konsa, ni yo menm ni pitit yo t ap vin genyen yo te pèdi Paradi a (Jen. 3:23, 24). Byenke Paradi a pa t gen moun ladan l, sanble li te rete la rive jis nan epòk delij Noye a. w18.12 3-4 § 3-5.
Dimanch 19 avril
Mwen menm, Jewova, mwen se [...] Sila a k ap anseye w pou byen w lan. — Eza. 48:17.
Paran yo fè tout sa yo kapab pou yo anseye pitit yo bon prensip. Si timoun yo chwazi viv ann amoni ak prensip paran yo te aprann yo, l ap pi fasil pou yo pran desizyon yo pap regrèt pi devan. Konsa, y ap evite tèt yo yon pakèt pwoblèm ak enkyetid. Menm jan ak yon bon paran, Jewova vle pou pitit li viv yon fason ki bay plis satisfaksyon posib (Eza. 48:18). Se sa k fè, li ban nou yon seri prensip fondamantal sou fason pou n aji ak sou fason pou n konpòte n ak lòt moun. Anrapò ak bagay sa yo, li ankouraje n chèche gen menm panse avè l e pou n viv ann amoni ak prensip li yo. Olye sa limite nou twòp, sa fè n vin gen plis sajès e sa ede n pran pi bon desizyon (Sòm 92:5; Pwo. 2:1-5; Eza. 55:9). Sa ede n fè chwa k ap fè n gen kè kontan toutpandan sa pèmèt nou chak kontinye fè pwogrè (Sòm 1:2, 3). Vrèmanvre, lè n panse menm jan ak Jewova sa fè n jwenn byenfè! w18.11 19-20 § 7-8.
Lendi 20 avril
Yo pale nou mal. — 1 Pyè 4:4.
Pou n kontinye mache nan laverite, nou pa dwe sede devan presyon lòt moun ap fè sou nou. Lè n te kòmanse mache nan laverite, relasyon n te gen ak zanmi nou ansanm ak moun nan fanmi nou ki pa Temwen te vin chanje. Gen kèk nan yo ki pa t gen pwoblèm ak sa, men gen lòt ki te vin opoze avè n. Moun nan fanmi nou, kòlèg travay nou ak kondisip nou ka eseye fè n patisipe nan fèt y ap fete. Ki jan n ka reziste ak presyon pou n aksepte koutim ak fèt ki pa onore Jewova? Nou ka fè sa lè n kenbe pwennvi Jewova gen sou bagay sa yo byen klè nan lespri n. Lè n egzamine sijè nan piblikasyon nou yo ki montre orijin fèt popilè yo sa ka ede n. Lè n medite sou rezon ki baze sou Bib la ki fè n pa patisipe nan fèt sa yo, n ap gen konviksyon n ap mache yon fason ki “fè Seyè a plezi”. (Efe. 5:10.) Lè n met konfyans nou nan Jewova ak nan Pawòl verite l la, sa ap pwoteje n pou n pa “tranble devan moun”. — Pwo. 29:25. w18.11 11 § 10, 12.
Madi 21 avril
Jewova te avèk Jozèf e Jewova te fè tout sa l fè reyisi. — Jen. 39:23.
Lè n ap fè fas ak chanjman ki rive bridsoukou, li fasil pou n kite enkyetid nou genyen konsènan lavni paralize nou. Sa te ka rive Jozèf. Olye de sa, li te deside fè tout sa l kapab nan sitiyasyon l lan, konsa li te bay Jewova yon bagay pou l beni. Byenke Jozèf te nan prizon, li te travay di pou l fè kèlkeswa travay chèf prizon an te ba li, menm jan l te konn fè lè l t ap travay pou Potifa (Jen. 39:21, 22). Menm jan ak Jozèf, nou ka twouve n nan yon sitiyasyon kote n prèske pa gen kontwòl anyen. Sepandan, si n ret tann avèk pasyans e n fè anpil efò pou n fè tout sa n kapab selon sitiyasyon nou, n ap bay Jewova yon bagay pou l beni (Sòm 37:5). Se vre, pafwa nou ka santi n “pa konn sa pou n fè”, men, jan apot Pòl te fè konn sa, yo pap janm “kite nou sanzespwa”. (2 Kor. 4:8, nòt.) Pawòl Pòl te di yo ap gen pou yo reyalize nan ka pa nou, sitou si n ret konsantre sou sèvis n ap bay Bondye a. w18.10 29 § 11, 13.
Mèkredi 22 avril
Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l. — Ebre 6:10.
Ki jan w santi w lè yon moun ou konnen e w respekte bliye non w oswa, sa k pi mal la, li pa menm rekonèt ou? Yon eksperyans konsa ka dekouraje w anpil. Poukisa? Se paske nou gen yon dezi ki natirèl lakay nou pou moun aksepte nou. Apwobasyon nou ta renmen jwenn nan gen plis bagay ladan l pase lè yon moun rekonèt nou. Nou vle pou moun yo konnen kèk bagay konsènan ki moun nou ye ak sa nou reyalize tou (Nonb 11:16; Jòb 31:6). Menm jan ak lòt dezi natirèl nou genyen, enpèfeksyon nou gen lakay nou ka fè dezi n genyen pou moun apresye n nan vin dezekilibre oswa vin defòme. Li ka fè n gen gwo anvi pou n jwenn apwobasyon ki pa apwopriye. Monn Satan an ankouraje moun chèche gen renome ak apwobasyon k ap detounen atansyon yo sou Sila a ki vrèman merite pou yo rekonèt li e pou yo adore l, anpalan de Papa nou ki nan syèl la, Jewova Dye. — Rev. 4:11; w18.07 7 § 1-2.
Jedi 23 avril
Lemonnantye anba pouvwa Mechan an. — 1 Jan 5:19.
Nou pa sezi dèske Satan ap enfliyanse mesye ki nan gwo pozisyon yo pou yo “bay manti”. (1 Tim. 4:1, 2.) Chèf relijye k ap bay manti yo koupab anpil paske yo ka lakòz moun ki kwè nan manti sa yo pèdi posiblite pou yo viv pou toutan. Si yon moun aksepte yon fo ansèyman e l ap pratike yon bagay Bondye kondane aklè, sa ka fè moun sa a pa gen lavi etènèl (Oze 4:9). Jezi te konnen chèf relijye nan epòk li a te koupab paske yo t ap twonpe moun nan sans sa a. Men sa l te di yo nan figi yo: “Malè pou nou, espè nan Lalwa ak Farizyen, bann ipokrit! paske nou vwayaje sou lanmè, nou vwayaje sou tè, pou nou konvèti yon sèl moun nan relijyon nou an, e lè l fin konvèti, nou fè l tounen yon moun ki merite al nan Jeyèn [destriksyon etènèl] de fwa plis pase nou.” (Mat. 23:15). Jezi te itilize mo ki pi di ki te ka genyen yo pou l kondane chèf fo relijyon sa yo. Vrèmanvre, yo te ‘soti nan papa yo, Dyab la, ki se yon asasen’. — Jan 8:44. w18.10 7 § 5-6.
Vandredi 24 avril
Nou byennere lè moun joure nou, lè yo pèsekite nou. — Mat. 5:11.
Ki sa Jezi te vle di? Men sa l te ajoute: “Nou mèt rejwi e nou mèt kontan anpil, piske nou gen yon gwo rekonpans nan syèl la. Paske, se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan nou yo.” (Mat. 5:12). Lè yo te bat apot yo e yo te ba yo lòd pou yo sispann preche, ‘yo te soti devan Sanedren an tou kontan’. Nòmalman, yo pa t ret konsantre sou doulè yo te santi akoz yo te bat yo. Men, yo te rejwi “dèske Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi”. (Tra. 5:41.) Nan epòk nou an, pèp Jewova a andire ak kè kontan tou lè yo soufri poutèt non Jezi oswa lè y ap fè fas ak eprèv ki difisil (Jak 1:2-4). Menm jan ak apot yo, nou pa pran plezi nan okenn kalite soufrans. Men, si n kenbe entegrite nou devan Bondye nan moman eprèv, Jewova ka ede n andire avèk kouraj. Lè n gen apwobasyon “Bondye ki gen kè kontan an”, nou kapab gen kè kontan malgre pèsekisyon nan domèn relijyon oswa opozisyon nan fanmi. — 1 Tim. 1:11. w18.09 21 § 18-20.
Samdi 25 avril
Ane sa yo, se pwoblèm ak tristès. — Sòm 90:10.
Piske gen anpil moun k ap viv nan ‘tan difisil’ sa yo k ap soufri anba tout kalite pwoblèm afektif, gen yon pakèt moun nou pa ka konte ki santi yo jis pa kapab ankò (2 Tim. 3:1-5). Selon kèk estimasyon yo fè, chak 40 segonn gen anviwon yon moun ki touye tèt li. Sa tris pou n di menm gen kèk kretyen ki kite presyon sa yo pote y ale e ki touye tèt yo. Menmsi frè n ak sè n yo pa vrèman santi yo vle kite sa, jodi a, gen anpil nan yo k ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil e ki bezwen nou fòtifye yo nan lanmou. Gen kèk k ap andire anba pèsekisyon e y ap pase yo nan rizib. Gen kèk lòt, moun ap kritike yo oswa y ap fè tripotay sou yo kote y ap travay la. Oswa yo santi yo about paske yo oblije fè siplemantè nan travay yo oubyen paske yo toujou gen twòp travay. Mete sou sa, genyen k ap fè fas ak gwo pwoblèm nan fanmi yo, petèt akoz mari yo oswa madanm yo ki pa kwayan toujou ap kritike yo. Akoz pwoblèm sa yo ansanm ak lòt presyon, anpil moun nan kongregasyon an santi yo about nan domèn fizik ak afektif. w18.09 13 § 3, 5.
Dimanch 26 avril
Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite. — 3 Jan 4.
Paran ki kretyen yo kolabore ak Jewova lè yo ankouraje pitit yo gen objektif espirityèl. Gen anpil paran ki fè sa, e apre sa, pitit gason yo ak pitit fi yo antre nan sèvis aplentan e y al sèvi lwen lakay yo. Gen kèk ki vin misyonè, gen lòt k al sèvi kòm pyonye kote yo bezwen plis pwoklamatè, e gen lòt ankò k al sèvi nan Betèl. Lefètke youn ap viv lwen lòt sa ka vle di fanmi sa yo pa ka reyini souvan jan yo ta renmen sa. Sepandan, paran ki fè sakrifis sa yo ankouraje pitit yo kontinye nan asiyasyon yo. Poukisa? Se paske yo gen anpil kè kontan ak satisfaksyon lefètke yo konnen pitit yo met enterè Wayòm nan an premye. Petèt anpil nan paran sa yo santi yo menm jan ak Ana ki te di l “prete” Jewova Samyèl, pitit gason l lan. Paran sa yo gen bonjan rezon pou yo konsidere kolaborasyon sa a kòm yon privilèj ki gen anpil valè. Yo pa ta renmen pou bagay yo fèt yon lòt jan. — 1 Sam. 1:28. w18.08 24 § 4.
Lendi 27 avril
L ap difisil pou yon moun rich antre nan Wayòm syèl la. — Mat. 19:23.
Jezi pa t di sa t ap enposib. Li te di: “Byennere nou menm ki pòv, paske Wayòm Bondye a se pou nou.” (Lik 6:20). Sepandan, sa pa vle di Bondye te beni tout moun ki pòv yo yon fason espesyal e yo tout te byen reyaji devan ansèyman Jezi te bay yo. Gen anpil moun pòv ki pa t byen reyaji. Leson an sèke nou pa ka annik jije relasyon yon moun gen ak Jewova sou baz kantite byen materyèl li genyen. Nou jwenn benediksyon dèske nou gen anpil frè ak sè, rich kou pòv, ki renmen Jewova e k ap sèvi l ak tout kè yo. Ekriti yo konseye moun ki rich yo “pou yo pa met espwa yo nan richès ki pa sèten, men pou yo mete l nan Bondye”. (1 Tim. 6:17-19.) Anmenmtan tou, Pawòl Bondye a ankouraje tout pèp Bondye a, rich kou pòv, pou yo veye pou yo pa renmen lajan (1 Tim. 6:9, 10). Vrèmanvre, lè n ouvri je n e nou wè frè nou yo jan Jewova wè yo, nou pap anvi jije yo senpleman sou baz sa yo genyen oswa sa yo pa genyen nan domèn materyèl. w18.08 10-11 § 11-12.
Madi 28 avril
Soumèt nou devan Bondye. — Jak 4:7.
Se sèten nou chofe pou n montre n gen Jewova rekonesans dèske l fè n onè pou n fè pati pèp li a. Nou konprann jan li saj lè n dispoze vwe tèt nou ba li pou n montre n rekonèt se li menm ki mèt nou. Nou pran pozisyon fèm kont sa ki mal. Epi, nou renmen adoratè parèy nou yo e n respekte yo paske n konnen yo menm tou yo se byen Jewova (Wom. 12:10). Men pwomès Bib la fè: “Jewova pap lage pèp li a.” (Sòm 94:14). Nou kapab konte sou garanti solid sa a kèlkeswa pwoblèm nou ta rankontre. Menm lanmò pa ka separe nou ak lanmou Jewova gen pou nou (Wom. 8:38, 39). “Kit n ap viv, kit nou mouri, se byen Jewova nou ye.” (Wom. 14:8). Se pa ti tann n ap tann epòk kote Jewova pral fè tout zanmi fidèl li yo ki te mouri retounen viv ankò (Mat. 22:32). Menm depi kounye a nou jwenn anpil benediksyon. Jan Bib la di sa, “byennere nasyon ki gen Jewova kòm Bondye l la, byennere pèp li chwazi kòm byen pa l la”. — Sòm 33:12. w18.07 26 § 18-19.
Mèkredi 29 avril
Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay ki bay avantaj. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay ki fòtifye moun. — 1 Kor. 10:23.
Gen kèk moun ki ka panse etandone chwa y ap fè nan domèn sa yo se yon bagay pèsonèl, yo dwe santi yo lib pou yo chwazi sa ki fè yo plezi depi konsyans yo pa deranje yo. Petèt yo panse ak pawòl ki vin annapre a Pòl te di kretyen nan vil Korent yo anrapò ak manje: “Poukisa pou m ta kite konsyans yon lòt moun jije libète m?” (1 Kor. 10:29). Se vre n lib pou n fè chwa nou vle nan kèk domèn tankou edikasyon ak karyè, nou bezwen sonje libète n genyen an gen limit epi tout desizyon n pran gen konsekans. Pou rezon sa a, Pòl te di pawòl ki nan tèks pou jounen an anvan l te di pawòl ki pi wo a. Se sèten sa ede n wè gen kèk bagay ki pi enpòtan lontan pase sa nou menm nou vle lè n dwe sèvi ak libète n genyen an nan tout aspè nan lavi nou. w18.04 10 § 10.
Jedi 30 avril
Tounen vin jwenn mwen, e m ap tounen vin jwenn nou. — Mal. 3:7.
Jodi a, yon kretyen kapab ap suiv yon move wout toutpandan l pretann l ap adore Jewova (Jid 11). Pa egzanp, yon moun ka toujou ap panse ak bagay ki imoral, li ka gen anbisyon oswa l ka rayi yon kretyen parèy li (1 Jan 2:15-17; 3:15). Panse sa yo ka pouse l fè peche. Toutpandan l konsa, li gendwa aktif nan travay predikasyon an e l gendwa asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman. Lòt moun gendwa pa wè panse nou ak konduit nou, men, Jewova wè tout bagay e l konnen si n pran pozisyon pou li ak tout kè n (Jer. 17:9, 10). Aktout sa, Jewova pap kouri vire do ban nou. Lè aksyon yon moun pouse l vire do bay Bondye, men ki ankourajman Jewova ba li: “Tounen vin jwenn mwen.” Se sitou lè n ap goumen ak feblès nou yo Jewova vle n lite pou n pa fè sa ki mal (Eza. 55:7). Si n fè sa, l ap montre l avèk nou lè l fè n jwenn fòs nou bezwen nan domèn espirityèl, mantal ak fizik pou n ka “rive gen kontwòl” tandans nou genyen pou n fè peche a. — Jen. 4:7. w18.07 18 § 5-6.