Me
Vandredi 1ye me
Se pou nou renmen etranje k ap viv nan mitan nou yo. — Det. 10:19.
Nan ane ki sot pase yo, gen anpil moun ki t al viv kòm refijye nan anpil peyi. Poukisa n pa chèche aprann ki jan pou n salye moun ki fèk vin abite nan zòn nou an nan lang yo pale a? Epitou, poukisa n pa aprann kèk fraz ki ka kapte atansyon yo? Konsa, w ap ka ede yo al sou sit jw.org la e w ap ka montre yo pakèt videyo ak piblikasyon ki disponib nan lang yo pale a. Avèk lanmou, Jewova pran dispozisyon pou gen reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a yon fason pou n ka vin pi maton nan travay predikasyon an. Enstriksyon pratik nou resevwa nan reyinyon sa a ede anpil nan nou vin gen plis konfyans nan tèt nou lè n ap fè nouvèl vizit ak lè n ap kondui etid biblik. Paran, ede pitit ou pou yo fè limyè yo briye lè w aprann yo fè kòmantè ak pwòp mo pa yo. Pafwa, kòmantè ki senp yo fè ak tout kè yo konn fè moun ki fèk enterese yo rekonèt laverite. — 1 Kor. 14:25. w18.06 22-23 § 7-9.
Samdi 2 me
Se pou youn akeyi lòt, menm jan Kris te akeyi nou tou. — Wom. 15:7.
Li bon pou n sonje gen yon lè nou tout te “etranje”, e nou pa t pwòch ak Bondye (Efe. 2:12). Men, Jewova te sèvi “ak lanmou tankou kòd” pou l rale n vin jwenn li (Oze 11:4; Jan 6:44). E Kris te akeyi nou. Nan yon sans, li te ouvri pòt la pou n te ka vin fè pati fanmi Bondye a. Piske Jezi aksepte nou, aktout nou enpafè, nou pa dwe janm panse rejte kèlkeswa moun nan! Tank n ap pwoche pi pre fen sistèm mechan sa a se tank ap gen plis divizyon, plis prejije ak plis rayisman nan monn nan (Gal. 5:19-21; 2 Tim. 3:13). Men, antanke sèvitè Jewova, nou chèche gen sajès ki soti anwo a, yon sajès ki pa nan patipri e ki ankouraje moun fè lapè (Jak 3:17, 18). Nou kontan fè zanmi ak moun ki sot nan lòt peyi, nou aksepte diferans ki gen nan kilti yo e n ka menm aprann lang lòt moun pale. Lè n fè sa, lapè nou genyen an vin anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche, e aksyon ki dwat nou fè yo vin anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman. — Eza. 48:17, 18. w18.06 12 § 18-19.
Dimanch 3 me
Mete bagay nan pye nou pou nou pare pou nou anonse bon nouvèl lapè a. — Efe. 6:15.
Yon sòlda women ki pa t gen bòt li nan pye l pa t pare pou l al nan lagè. Bòt li a ki te sanble ak yon sandal te fèt ak twa branch an kui ki trese ansanm, sa ki te fè pye l rete byen djanm. Bòt la te fèt yon fason ki te pèmèt li dire anpil tan e l te konfòtab. Bòt sòlda women yo te konn mete a te pèmèt yo al nan lagè, alòske soulye senbolik kretyen yo mete a ede yo preche yon mesaj lapè (Eza. 52:7; Wom. 10:15). Malgre sa, nou bezwen met kouraj sou nou pou n pale lè n jwenn okazyon. Men sa Bo ki gen 20 an fè konnen: “M te pè bay kamarad lekòl mwen yo temwayaj. M panse m te yon ti jan jennen. Lè m ap reflechi ak sa, m pa wè rezon ki fè m te santi m konsa. Kounye a, m kontan bay jèn parèy mwen yo temwayaj.” Gen anpil jèn ki rann yo kont lè yo byen prepare pou yo preche bon nouvèl la, yo santi yo pi alèz pou yo fè sa. w18.05 29 § 9-11.
Lendi 4 me
Kontinye bay anpil fwi. — Jan 15:8.
Jezi te di apot li yo: “Mwen ban nou lapè mwen genyen an.” (Jan 14:27). Ki jan kado sa a, anpalan de lapè Jezi bay la, ede n bay fwi? Toutpandan n ap andire, n ap kontinye gen yon lapè nan kè nou paske nou konnen nou gen apwobasyon Jewova ak Jezi (Sòm 149:4; Wom. 5:3, 4; Kol. 3:15). Apre Jezi te fin fè konnen li ta renmen pou apot li yo gen kè “kontan nèt”, li te esplike yo enpòtans sa genyen pou yo demontre lanmou ki mache ak sakrifis la (Jan 15:11-13). Apre sa, li te di: “Mwen rele nou zanmi.” Ala yon kado ki gen anpil valè nou kapab genyen: pou n vin zanmi Jezi! Ki sa apot yo te dwe fè pou yo te ret zanmi l? Yo te dwe “kontinye bay fwi”. (Jan 15:14-16.) Anviwon dezan anvan sa, men enstriksyon Jezi te bay apot li yo: “Toutpandan nou prale, preche. Men sa pou nou di: ‘Wayòm syèl la vin pi pre.’” (Mat. 10:7). Se sa k fè, nan dènye nuit anvan li mouri a, li te ankouraje yo pou yo andire nan travay yo te kòmanse a. — Mat. 24:13; Mak 3:14. w18.05 20-21 § 15-16.
Madi 5 me
Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou. — Gal. 6:7.
Jèn, pran desizyon pou w konsantre lavi w sou anvi w genyen pou w sèvi Jewova. Sa vle di pou w konsantre lavi w sou objektif espirityèl. Petèt gen jèn ki gen menm laj avè w ki santre lavi yo sou pran plezi, e yo ka envite w pase tan ak yo. Towouta w ap bezwen montre nan ki pwen w detèmine pou w ret fidèl ak chwa w fè yo. Pa kite presyon lòt jèn ap fè sou ou fè w distrè. Gen plizyè fason pou w fè fas ak presyon lòt jèn ap fè sou ou. Pa egzanp, evite sitiyasyon ou konnen ki gen tantasyon (Pwo. 22:3). Epitou, sonje move konsekans sa genyen lè w patisipe nan fè sa k mal ak lòt moun. Yon lòt bagay k ap ede w se lè w rekonèt ou bezwen konsèy. Imilite ap ede w aksepte sijesyon paran w ak moun ki gen matirite nan kongregasyon an ba ou (1 Pyè 5:5, 6). Èske w gen ase imilite pou w aksepte bonjan konsèy? w18.04 28-29 § 14-16.
Mèkredi 6 me
Kenbe sa nou genyen an fèm pou jis mwen vini. Moun ki pote laviktwa a e ki fè sa m te konn fè yo jiska lafen, m ap ba li pouvwa sou nasyon yo. — Rev. 2:25, 26.
Jezi te montre jan li apresye travay disip li yo te fè nan mesaj li te voye pou kèk kongregasyon nan zòn Azi Minè. Pa egzanp, men ki jan li te kòmanse mesaj li te voye bay kongregasyon Tiyati a: “Mwen konnen sa w fè, mwen konnen lanmou ou genyen, lafwa w, sèvis w ap fè, andirans ou, e mwen konnen sa w fè kounye a plis pase sa w te konn fè anvan.” (Rev. 2:19). Jezi pa t sèlman pale de gwo travay yo te fè, men li te felisite yo tou pou kalite ki te pouse yo fè bèl aksyon. Byenke Jezi te bezwen bay kèk moun nan kongregasyon Tiyati a konsèy, kanmenm, li te kòmanse mesaj li a ak pawòl ankourajman e li te fini l ak pawòl ankourajman (Rev. 2:27, 28). Ann fè yon ti reflechi sou otorite Jezi genyen kòm chèf tout kongregasyon yo. Li pa oblije di nou mèsi pou travay nou fè pou li. Men, malgre sa, li montre li gen rekonesans. Ala yon bèl egzanp li bay ansyen yo! w19.02 16 § 10.
Jedi 7 me
Jida ak Silas [...] ankouraje frè yo ak anpil diskou, e yo fòtifye yo. — Tra. 15:32.
Kolèj santral premye syèk la te kontinye ankouraje moun ki te pran latèt yo ak kretyen yo an jeneral. Yo te voye de moun pami yo, anpalan de Pyè ak Jan, pou yo priye pou nouvo kwayan yo dekwa pou yo te ka resevwa lespri sen (Tra. 8:5, 14-17). Se pa ti ankouraje sipò sa a kolèj santral la te bay la dwe te ankouraje Filip ansanm ak lòt moun ki te konvèti yo! Jodi a, Kolèj santral Temwen Jewova yo ankouraje manm fanmi Betèl yo, sèvitè aplentan espesyal ki nan tèritwa yo, e se sèten, yo ankouraje kominote frè ak sè vrè kretyen yo fòme nan lemonnantye a. Rezilta a se menm ak sa k te rive nan premye syèk la, sètadi frè ak sè yo kontan pou ankourajman yo jwenn nan! Mete sou sa, nan ane 2015, Kolèj santral la te pibliye yon bwochi ki gen tit Retounen vin jwenn Jewova, yon bwochi ki kontinye bay anpil moun nan lemonnantye bonjan ankourajman. w18.04 19 § 18-20.
Vandredi 8 me
N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou. — Jan 8:32.
Gen moun ki ka panse plis yo gen libète se plis y ap santi yo alèz, men, an reyalite, yon libète ki pa gen limit se yon epe ki file de bò. Nou fremi lè n ap imajine nan ki eta monn nan t ap ye si pa t gen okenn limit ditou. Pou rezon sa a, men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Lwa ki egziste nan kèlkeswa sosyete ki òganize a fòme yon modèl konplike ki pèmèt gen ekilib ant libète ak limit.” (The World Book Encyclopedia). Pa gen dout, mo “konplike” a se bon mo a. Jis fè yon ti reflechi ak bann ak pakèt lwa lèzòm ekri yo, san wete pakèt avoka ak jij ki la pou entèprete yo e pou fè moun aplike yo. Nou jwenn de obligasyon nan konsèy Jezi bay pou n gen vrè libète a: Premyèman, nou dwe aksepte verite li te anseye yo, e dezyèmman, nou dwe vin disip li. Lè n fè sa, n ap libere toutbon. Men, libere anba ki sa? Men ki esplikasyon Jezi te bay: “Yon moun k ap pratike peche se esklav peche li ye. [...] Si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon.” — Jan 8:34, 36. w18.04 6-7 § 13-14.
Samdi 9 me
Se pou nou tout gen [...] senpati. — 1 Pyè 3:8.
Nou renmen viv kote moun ki gen konsiderasyon pou santiman nou e ki vle byen nou. Yo eseye mete yo nan plas nou e yo chèche konprann sa k nan panse nou ak santiman nou. Yo gentan wè sa nou bezwen e yo ofri nou èd yo, pafwa anvan menm nou mande yo sa. Nou apresye moun ki montre yo gen “senpati” pou nou. Antanke kretyen, nou ta renmen kapab mete nou nan plas lòt moun oswa gen senpati pou yo. Men, nou ka bezwen fè efò pou sa. Pou ki rezon? Toudabò, nou enpafè (Wom. 3:23). Se sa k fè nou dwe lite kont tandans nou gen lakay nou ki fè nou plis panse ak tèt nou. Epitou, fason kèk nan nou te leve oswa sitiyasyon nou te viv ka fè n ap lite pou nou mete nou nan plas lòt moun. Ansuit, atitid lòt moun ki antoure nou ka enfliyanse nou. Nan dènye jou sa yo, anpil moun pa montre konsiderasyon pou santiman lòt moun. Yo “renmen pwòp tèt yo”. (2 Tim. 3:1, 2.) Men, nou ka amelyore fason nou montre konsiderasyon pou santiman lòt moun lè nou imite Jewova ak Pitit Gason l lan, Jezi Kris. w19.03 14 § 1-3.
Dimanch 10 me
Pwoteje kè w. — Pwo. 4:23.
Dènye kòmandman nan Dis kòmandman yo te entèdi moun gen tanta, oswa vin gen dezi pou bagay ki pa pou li (Det. 5:21; Wom. 7:7). Jewova te bay lwa sa a pou anseye nou yon bèl leson: pèp li a dwe pwoteje kè yo, sa vle di panse yo, santiman yo ak kapasite pou yo rezone. Li te konnen se move panse ak move santiman ki pouse moun fè move aksyon. Pa egzanp, wa David te pran nan pyèj sa a. Nòmalman, li te yon bon moun. Men, yon lè li te gen tanta sou madanm yon lòt moun. Anvi sa a te fè l tonbe nan peche (Jak 1:14, 15). David te fè adiltè, li te eseye twonpe mari dam nan epi li te fè touye l (2 Sam. 11:2-4; 12:7-11). Jewova pa gad moun sou aparans. Li wè ki moun nou ye toutbon pa anndan, ki moun nou ye nan kè nou (1 Sam. 16:7). Pa gen okenn panse, okenn santiman, okenn aksyon li pa ka wè. L ap chèche sa ki bon nan nou e li ankouraje nou fè sa ki bon. Men, li vle nou konnen move panse nou genyen yo epi kontwole yo anvan yo pouse nou mal aji. — 2 Kwo. 16:9; Mat. 5:27-30. w19.02 21 § 9; 22 § 11.
Lendi 11 me
Chèche Jewova, nou tout sou tè a ki gen imilite. [...] Chèche gen imilite. — Sof. 2:3.
Labib fè konnen Moyiz “se moun ki te gen plis imilite pase tout moun ki te sou tè a”. (Nonb 12:3.) Èske sa vle di Moyiz se te yon moun ki te fèb, ki te pè pran desizyon e ki te pè antre nan diskisyon? Se konsa kèk moun panse moun ki gen imilite yo ye. Men, se pa vre. Moyiz se te yon moun ki te djanm, ki te konn pran desizyon, e li te yon sèvitè Bondye ki gen kouraj. Avèk èd Jewova, li te parèt devan dirijan peyi Ejip la ki te gen anpil pisans, li te fè 3 000 000 moun konsa travèse yon dezè e li te ede nasyon Izrayèl la pote laviktwa sou ènmi yo. Nou pa jwenn menm difikilte ak Moyiz men se chak jou nou dwe fè fas ak moun oubyen ak sitiyasyon ki fè l difisil pou nou aji avèk imilite. Men, gen yon bagay ki ta dwe pouse nou fè anpil efò pou n vin gen kalite sa a. Selon pwomès Jewova fè: “Moun ki gen imilite yo ap posede tè a.” (Sòm 37:11). Èske w t ap di ou se yon moun ki gen imilite? Èske lòt moun t ap di ou gen kalite sa a? w19.02 8 § 1-2.
Madi 12 me
Malè pou moun ki di [...] sa k pa bon an bon. — Eza. 5:20.
Depi lè lèzòm egziste sou tè a yo gen yon konsyans. Apre Adan ak Èv te fin dezobeyi lòd Jewova te bay la, yo t al kache. Sa montre konsyans yo t ap kale yo. Nou ka konpare moun konsyans yo pa byen fòme ak yon bato y ap dirije grasa yon bousòl ki pa bon. Lè moun ap vwayaje nan yon bato ki gen yon bousòl ki pa bon, sa ka met lavi yo an danje. Li fasil pou van ak gwo vag lanmè frape bato a epi fè l kite wout li. Yon bousòl ki egzak e ki byen regle ka ede kapitèn bato a kontinye suiv wout li. Nou ka konpare konsyans nou ak yon bousòl nan domèn moral. Se yon santiman nou gen anndan nou ki ede n konnen sa ki byen ak sa ki mal, e l ka gide n nan bon direksyon. Men, pou konsyans nou byen gide n, nou dwe byen ajiste l oswa byen regle l. Lè konsyans yon moun pa byen fòme, li pap ka anpeche moun nan fè sa ki mal (1 Tim. 4:1, 2). Yon konsyans konsa ka menm fè moun nan kwè se “sa k pa bon an [ki] bon”. w18.06 16 § 1-3.
Mèkredi 13 me
Sispann konfòme nou ak sistèm sa a. — Wom. 12:2.
L ap bon pou n idantifye panse monn nan menm lè l pa parèt aklè e pou n rejte l. Pa egzanp, medya yo ka bay nouvèl yon fason ki favorize kèk opinyon politik. Gen istwa ki ankouraje moun gen yon seri objektif ki ann amoni ak fason monn nan wè bagay yo e pou yo reyalize yon seri bagay moun admire. Gen fim ak liv ki fè pwomosyon pou yon seri ide ki fè moun met tèt yo ak fanmi yo anvan tout bagay, e yo fè ide sa yo parèt rezonab, atiran e menm kòrèk. Pwennvi sa yo depaman ak pwennvi Bib la ki montre nou menm ak fanmi nou ap gen kè kontan lè n renmen Jewova plis pase tout bagay (Mat. 22:36-39). Sa pa vle di li mal pou n pran detant ki kòrèk. L ap bon pou n poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske n idantifye ansèyman monn nan menm lè y ap fè pwomosyon pou yo anba anba? Èske n pwoteje pitit nou ak tèt nou pou n pa gade oswa tande yon seri pwogram e pou n pa li yon seri bagay? Èske n sèvi ak pwennvi Jewova pou n konbat panse monn nan pitit nou yo tande oswa yo wè?’ w18.11 22 § 18-19.
Jedi 14 me
Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. — Eza. 41:10.
Jewova montre li avèk nou lè l ban nou tout atansyon l ak tout afeksyon l. Gade sa l di ki montre afeksyon ak lanmou li gen pou nou: “[Ou] vin gen anpil valè pou mwen, ou enpòtan pou mwen, mwen renmen w.” (Eza. 43:4). Pèsonn nan linivè pa ka fè Jewova sispann renmen sèvitè l yo. Li pap janm lage nou (Eza. 54:10). Jewova pa pwomèt l ap retire pwoblèm ki fè lavi a difisil yo, men li pap kite pwoblèm ki tankou “rivyè” yo pote n ale oswa li pap kite difikilte ki tankou “flanm dife” yo fè nou soufri pou toutan. Li ban nou garanti l ap avèk nou, l ap ede nou “janbe” oswa travèse difikilte sa yo. Ki sa Jewova ap fè? L ap ede nou rete kalm pou n ka kenbe fidelite nou menm lè nou fè fas ak lanmò (Eza. 41:13; 43:2). Lè nou met konfyans nou nan pwomès Bondye fè ki di “m ap avèk ou” a, nou menm tou, nou ka gen kouraj ak fòs pandan n ap fè fas ak eprèv. w19.01 3 § 4-6.
Vandredi 15 me
Yon moun ka gen anpil plan nan kè l, men, se konsèy Jewova k ap reyalize. — Pwo. 19:21.
Si w se yon jèn, petèt pwofesè w, moun k ap bay konsèy sou karyè pou w chwazi ak lòt moun ankò ka ankouraje w pou w fè gwo etid e pou w gen yon bèl karyè k ap fè w fè anpil lajan. Men, Jewova konseye w pou w pran yon lòt direksyon. Yon bagay ki sèten, sèke li vle w travay di pandan w lekòl toujou pou w ka pran swen tèt ou lè w fini lekòl (Kol. 3:23). Men, lè w ap chwazi ki sa k priyorite pou ou nan lavi a, li ankouraje w suiv yon seri bon prensip ki ann amoni ak objektif li e ak sa l ta renmen nou fè nan tan lafen an (Mat. 24:14). Jewova konnen sa k ap tann monn sa a e li konnen jis nan ki pwen lafen an toupre rive (Eza. 46:10; Mat. 24:3, 36). Mete sou sa, li konnen nou. Li konnen ki sa k ap fè nou jwenn vrè satisfaksyon ak vrè kè kontan e li konnen ki sa ki ka ban nou desepsyon ak lapenn. Kidonk, kèlkeswa jan konsèy lèzòm bay yo ka parèt bon, si yo pa ann amoni ak Pawòl Bondye a, yo pa gen okenn valè. w18.12 19 § 1-2.
Samdi 16 me
Mechan yo pap la ankò. — Sòm 37:10.
Lè sa a, “moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. Mete sou sa, David te fè konnen: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” (Sòm 37:11, 29; 2 Sam. 23:2). Ki efè w panse pwomès sa yo te genyen sou moun ki te vle fè volonte Bondye yo? Yo te gen rezon pou yo kwè si se sèlman moun ki jis ki pral viv sou tè a, ebyen, rive yon lè, pral gen yon paradi k ap menm jan ak jaden Edenn nan. Tank tan t ap pase, pifò Izrayelit ki te di y ap sèvi Jewova yo te vire do ba li ansanm ak vrè adorasyon an. Donk, Bondye te kite Babilónyen yo pot laviktwa sou pèp li a, detwi peyi yo a epi mennen anpil nan yo ann egzil (2 Kwo. 36:15-21; Jer. 4:22-27). Men malgre sa, pwofèt Bondye yo te fè konnen apre 70 an, pèp Bondye a t ap retounen nan peyi yo. Pwofesi sa yo te reyalize. Men, yo vle di anpil bagay pou nou tou: pral gen yon paradi sou tè a. w18.12 4 § 9-10.
Dimanch 17 me
Menm jan syèl la pi wo pase tè a, se konsa tou wout mwen yo pi wo pase wout pa nou yo e fason m panse depase fason nou panse. — Eza. 55:9.
Pifò nan konsèy monn nan bay depaman ak panse Jewova. Men, èske pa gen kèk nan konsèy monn nan bay yo ki fè plis sans nan epòk nou an pase konsèy Bib la bay yo? Men sa Jezi te di: “Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès.” (Mat. 11:19). Se vre monn nan fè gwo pwogrè nan domèn teknoloji, men l pa rive rezoud pwoblèm ki pi enpòtan ki anpeche n gen kè kontan yo, tankou lagè, rasis ak krim. E ki sa n ka di konsènan sitirans ki genyen nan domèn moral? Olye sa rezoud pwoblèm yo, gen anpil moun ki rekonèt sa lakòz plis fanmi kraze, plis maladi ak lòt pwoblèm ankò. Yon lòt bò, kretyen ki gen menm pwennvi ak Bondye yo kontan wè relasyon nan fanmi yo ap amelyore, yo jwenn byenfè nan domèn fizik paske yo pwòp nan domèn moral, e yo anpè ak kwayan parèy yo nan lemonnantye (Eza. 2:4; Tra. 10:34, 35; 1 Kor. 6:9-11). Èske sa pa montre panse Jewova pi bon pase panse monn nan? w18.11 20 § 8-10.
Lendi 18 me
Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen. — 1 Kor. 15:33.
Byenke n fè efò pou n gen bon relasyon ak moun nan fanmi nou e n byen boule ak yo, nou dwe fè atansyon pou n pa fè konpwomi ak laverite pou n ka fè yo plezi. Toutpandan n ap kontinye fè efò pou n byen boule ak moun nan fanmi nou, n ap bon zanmi sèlman ak moun ki renmen Jewova. Tout moun k ap mache nan laverite dwe sen (Eza. 35:8; 1 Pyè 1:14-16). Lè n t ap pran laverite, nou tout te dwe fè yon seri chanjman pou n te ka konfòme n ak prensip biblik yo ki jis. Gen moun ki te dwe fè gwo chanjman. Kèlkeswa jan sa ye, nou pa dwe janm boukante vi pwòp e ki sen n ap mennen an pou imoralite ak salte ki gen nan monn sa a. Ki jan n ka evite tonbe nan konduit imoral? Medite sou gwo pri Jewova te peye pou n ka sen an, sètadi san Jezi Kris, Pitit Gason l lan, ki gen anpil valè a (1 Pyè 1:18, 19). Pou n kontinye ret pwòp devan Jewova, nou bezwen toujou sonje enpòtans sakrifis ranson Kris la genyen an nan lespri n ak nan kè n. w18.11 11 § 10-11.
Madi 19 me
M ap tann Bondye delivrans mwen an avèk pasyans. Bondye m nan ap tande m. — Miche 7:7.
Anpil sèvitè aplentan kapab di lè yo ret konsantre sou sèvis y ap bay Bondye a sa ede yo kenbe ekilib yo malgre sitiyasyon yo ap chanje. Jan egzanp yo montre sa, si n fè tout sa n kapab selon sitiyasyon nou e n ret tann Jewova avèk konfyans, n ap kontinye kenbe lespri n anpè. Nou ka menm vin rann nou kont nou jwenn anpil byenfè nan domèn espirityèl lè n fè ajisteman parapò ak yon seri sitiyasyon ki nouvo pou nou. Si lavi w pran yon direksyon sanzatann, kit se yon chanjman nan travay ou te konn fè nan sèvis Bondye a, kit se pwoblèm sante oswa nouvo responsablite nan fanmi w, ou mèt gen asirans Jewova gen sousi pou ou e l ap ede w nan bon moman (Ebre 4:16; 1 Pyè 5:6, 7). Anmenmtan tou, eseye fè tout sa w kapab selon sitiyasyon w. Pwoche bò kote Papa w ki nan syèl la grasa lapriyè, epi aprann lage kò w nan men l pou l ede w. Nan fason sa a, ou menm tou, w ap kontinye kenbe lespri w anpè malgre sitiyasyon yo ap chanje. w18.10 30 § 17; 31 § 19, 22.
Mèkredi 20 me
[Jewova] byen konnen ki jan nou fèt. Li sonje se pousyè nou ye. — Sòm 103:14.
Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp sou fason Jewova te montre konsiderasyon pou sèvitè l yo. Pa egzanp, nou wè fason Bondye te montre konsiderasyon lè l te ede Samyèl ki te timoun pou l bay gran prèt Eli yon mesaj jijman jan nou wè sa nan 1 Samyèl 3:1-18. Lwa Jewova a te mande pou timoun demontre respè pou granmoun, sitou si se yon chèf (Egz. 22:28; Lev. 19:32). Èske w ka imajine Samyèl k al kot Eli nan demen maten epi l met kran sou li pou l ba l mesaj jijman ki pike Bondye bay la? Non! Olye de sa, istwa a fè konnen Samyèl “te pè rakonte Eli vizyon l te fè a”. Sepandan, Bondye te fè Eli konprann se Li ki t ap rele Samyèl. Konsa, Eli te vin konprann sitiyasyon an e l te mande Samyèl pou l pale e pou l pa kache l “menm yon pawòl”. Samyèl te obeyi e l te “rakonte l tout bagay”, e sa l te di yo te ann amoni ak yon lòt mesaj li te resevwa anvan sa (1 Sam. 2:27-36). Istwa sa a konsènan Samyèl ak Eli montre n ki jan Jewova gen konsiderasyon ak sajès. w18.09 23 § 2; 24 § 4-5.
Jedi 21 me
O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou? [...] Se moun ki [...] pale laverite nan kè l. — Sòm 15:1, 2.
Bay manti vin yon bagay ki gaye nan epòk nou an. Jan sa parèt nan yon atik Y. Bhattacharjee te ekri ki gen tit “Rezon ki fè n bay manti”, “yo vin rekonèt manti kòm yon bagay ki anrasinen byen fon nan pèsonalite lèzòm”. Byen souvan, moun bay manti pou yo pwoteje tèt yo oswa pou yo montre yo enpòtan. Yo bay manti pou kache erè ak move aksyon yo fè oswa pou yo jwenn avantaj pou tèt yo nan domèn ekonomik. Jan atik la montre sa, gen moun ki “alèz pou bay moun yo pa konnen, kòlèg travay yo, zanmi yo ak fanmi yo manti, kit se gwo manti kit se ti manti”. Ki rezilta tout manti sa yo bay? Moun pa fè moun konfyans e sa ka kraze relasyon yo genyen. Men ki sa David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, te di Jewova nan yon priyè: “Ou pran plezi nan moun ki gen laverite nan fon kè yo.” (Sòm 51:6). David te konnen laverite se yon bagay ki dwe sot anndan nou, nan fon kè nou. Vrè kretyen yo ‘di youn lòt laverite’ nan tout aspè nan lavi yo. — Zak. 8:16. w18.10 7 § 4; 8 § 9-10; 10 § 19.
Vandredi 22 me
Li te gide yo e li te pwoteje yo, yo pa t pè anyen. — Sòm 78:53.
Lè Izrayelit yo te kite peyi Ejip nan ane 1513 anvan epòk nou an, petèt yo te plis pase twa milyon moun. Se te twa oswa kat jenerasyon moun, te gen timoun, granmoun, e kèk nan yo te enfim oswa paralize. Pou rive mennen yon gwo foul moun konsa kite peyi Ejip, sa te mande pou gen yon moun ki gen bon konprann ak konsiderasyon alatèt yo. Pa mwayen Moyiz, Jewova te montre l se yon moun konsa. Se sa k fè Izrayelit yo te santi yo an sekirite toutpandan yo t ap kite kote yo te konnen kòm kay yo (Sòm 78:52). Ki fason Jewova te fè pèp li a santi yo byen e an sekirite? Toudabò, lè l t ap fè yo kite peyi Ejip, yo te òganize “tankou sòlda ki pral nan lagè”. (Egz. 13:18.) Fason sa a Izrayelit yo te òganize a te fè yo gen asirans Bondye yo a gen kontwòl tout bagay. Epitou, Jewova te fè prezans li parèt aklè pa mwayen “yon nyaj [lajounen] ak yon dife ki t ap ba yo limyè” leswa (Sòm 78:14). Anfèt, se kòmsi Jewova te di yo: “Pinga nou pè. Mwen avèk nou pou m gide nou e pou m pwoteje nou.” w18.09 26 § 11-12.
Samdi 23 me
O! Pito w ta sere m nan Tonm, [...] pito w ta fikse yon lè pou mwen pou w sonje m! — Jòb 14:13.
Nan tan biblik yo, te gen kèk nan sèvitè fidèl Bondye yo ki te tèlman santi sitiyasyon yo te ladan l lan twòp pou yo, yo te vle mouri. Pa egzanp, men sa Jòb te di pandan l te nan gwo soufrans: “Mwen rayi lavi m, mwen pa vle kontinye viv.” (Jòb 7:16). Jonas te tèlman santi l about pou fason bagay yo te pase nan asiyasyon Bondye te ba li a, li te di: “O Jewova, kounye a, tanpri, ou mèt retire lavi m, paske, pito m mouri pase m viv.” (Jon. 4:3). Anplis de sa, rive yon lè, pwofèt Eli te tèlman santi efè sitiyasyon l te ye a te gen sou li, li te mande pou l mouri. Men sa l te di: “Mwen pa kapab ankò! O Jewova, se pou w pran lavi m kounye a.” (1 Wa 19:4). Sepandan, Jewova te bay sèvitè sa yo ki te atache avè l anpil valè e l te vle yo viv. Olye Jewova te fache pou fason yo te santi yo a, li te ede yo pou yo lite kont anvi yo te genyen pou yo mouri e l te fòtifye yo nan lanmou yon fason pou yo te ka kontinye sèvi l fidèlman. w18.09 13 § 4.
Dimanch 24 me
Nou se konpayon travay Bondye. — 1 Kor. 3:9.
Yo rekonèt konpayon travay Bondye yo kòm moun ki akeyan. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, mo lè yo tradui l yo met “akeyan” pou li a vle di “montre nou janti ak etranje yo”. (Ebre 13:2, nòt.) Gen anpil istwa nan Pawòl Bondye a ki anseye n pou n demontre yon lanmou konsa (Jen. 18:1-5). Nou ka pwofite okazyon pou n ede lòt moun regilyèman, e nou dwe fè sa, kit yo “fanmi nou nan lafwa” kit yo pa fanmi nou nan lafwa (Gal. 6:10). Èske w ka travay ak Bondye lè w montre w akeyan lè sèvitè aplentan yo ap vizite w (3 Jan 5, 8)? Byen souvan, okazyon sa yo bay posiblite “pou youn [...] ankouraje lòt”. (Wom. 1:11, 12.) Pawòl Bondye a ankouraje gason nan kongregasyon an pou yo travay ak Jewova lè yo chèche jwenn privilèj pou yo sèvi e pou yo vin siveyan (1 Tim. 3:1, 8, 9; 1 Pyè 5:2, 3). Moun ki fè sa yo vle ede lòt moun, kit se kèk fason pratik kit se nan domèn espirityèl (Tra. 6:1-4). Moun ki gen responsablite sa yo ap di w yo jwenn plis kè kontan lè yo ede lòt moun. w18.08 24 § 6-7; 25 § 10.
Lendi 25 me
Pa kritike yon granmoun gason yon fason ki di. Okontrè, sipliye l tankou se te papa w. — 1 Tim. 5:1.
Byenke Timote te gen yon sèten otorite sou frè sa yo ki granmoun, li te dwe trete yo avèk konpasyon e avèk respè. Sepandan, jis nan ki pwen n ap konsidere prensip sa a? Pa egzanp, èske n dwe santi n oblije pase sou sa yon moun ki granmoun fè si moun sa a ap peche volontèman oswa l ap ankouraje moun fè yon bagay ki pa fè Jewova plezi? Jewova pap jije sou aparans e l pap pase sou peche yon moun fè volontèman senpleman paske moun nan granmoun. Men yon prensip nou jwenn nan Ezayi 65:20: “Malediksyon ap tonbe sou yon moun ki peche, menmsi l gen 100 an.” Nou jwenn yon prensip menm jan an nan vizyon Ezekyèl la (Eze. 9:5-7). Kidonk, objektif prensipal nou se pou n toujou demontre respè pou Sila a ki la depi pi lontan an, sètadi Jewova Dye (Dàn. 7:9, 10, 13, 14). Si n fè sa, nou pap pè korije yon moun ki bezwen konsèy, kèlkeswa laj li. — Gal. 6:1. w18.08 11 § 13-14.
Madi 26 me
Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè. — Pwo. 14:15.
Antanke vrè kretyen, nou dwe chèche gen kapasite pou n egzamine enfòmasyon nou genyen e pou n fè konklizyon ki egzak (Pwo. 3:21-23; 8:4, 5). Si n pa chèche gen kapasite sa a, l ap vin pi fasil pou Satan ak monn li an defòme fason n panse (Efe. 5:6; Kol. 2:8). Nòmalman, se sèlman lè n gen tout enfòmasyon yo n ap ka fè konklizyon ki kòrèk. Jodi a, moun bonbade ak enfòmasyon. Sit Entènèt yo, televizyon yo ak lòt medya yo prezante yon bann ide ki ta sanble pap janm gen yon fen. Mete sou sa, anpil moun neye anba imel, mesaj tèks ak nouvèl zanmi ak lòt moun yo konnen ki gen bon entansyon voye pou yo. Piske se yon bagay ki kouran pou moun gaye enfòmasyon ki pa egzak e ki defòme, nou gen bonjan rezon pou n fè atansyon e pou n byen egzamine sa nou tande. w18.08 3 § 1, 3.
Mèkredi 27 me
Bondye fè w favè. — Lik 1:30.
Lè moman an te rive pou Pitit Gason Bondye a fèt antanke moun, Jewova te chwazi Mari, yon jèn fi ki te vyèj e ki te gen imilite, pou l vin manman timoun sa a ki te espesyal. Mari t ap viv Nazarèt, yon vil yo pa t bay enpòtans, ki te lwen Jerizalèm ak bèl tanp li an (Lik 1:26-33). Mari te montre jan l se yon moun ki kite lespri Bondye gide l lè l t al pale annapre ak Elizabèt ki te fanmi l (Lik 1:46-55). Wi, Jewova te wè Mari, e l te ba l privilèj sa a li pa t atann paske l te yon moun ki fidèl. Lè Mari te vin fè Jezi, Jewova pa t fè okenn nan ofisyèl oswa dirijan nan Jerizalèm ak Betleyèm yo onè pou yo konnen sa k te rive a. Gen kèk zanj ki te parèt devan yon seri bèje ki gen imilite ki t ap pran swen mouton yo nan savann andeyò Betleyèm (Lik 2:8-14). Annapre, bèje yo t al vizite tibebe a ki te fèk fèt (Lik 2:15-17). Se pa ti sezi Mari ak Jozèf dwe te sezi lè yo te wè se fason sa a yo te onore Jezi! w18.07 9-10 § 11-12.
Jedi 28 me
Jewova te fache anpil kont Salomon. — 1 Wa 11:9.
Poukisa Jewova te fache kont Salomon? Men sa Bib la fè konnen: “Jewova te fache anpil kont Salomon, paske li te vire do bay Jewova [...], ki te fè l wè l nan rèv pandan de fwa e ki te avèti l pou l pa al sèvi lòt dye. Men, li pa t obeyi lòd Jewova te ba l la.” Kòm konsekans, li te pèdi apwobasyon Bondye e Bondye pa t kontinye ede l. Desandan Salomon yo te pèdi wayòm Izrayèl la ki te ini e yo te soufri akoz anpil kalamite yo te jwenn pandan plizyè jenerasyon annapre (1 Wa 11:9-13). Menm jan sa te rive Salomon, youn nan bagay ki reprezante yon gwo danje pou relasyon nou ak Jewova se fè zanmi ak moun ki pa konprann prensip Jewova yo e ki pa respekte yo. Kèk nan moun sa yo gendwa nan kongregasyon an, men, yo ka fèb nan domèn espirityèl. Gen kèk lòt ki gendwa fanmi nou, vwazen nou, kòlèg travay nou oswa kondisip nou ki pap adore Jewova. Si moun ki bon zanmi nou yo pa montre yon gwo respè pou prensip Jewova yo, rive yon lè, yo ka fè n pèdi bon repitasyon nou gen devan Bondye a. w18.07 19 § 9-10.
Vandredi 29 me
Lemonnantye anba pouvwa Mechan an. — 1 Jan 5:19.
Satan sèvi ak istwa yo rakonte nan fim oswa emisyon televizyon pou l gaye fason l panse. Li konprann istwa yo rakonte yo pa sèlman yon amizman, men yo ka gen efè sou fason nou reflechi, sou santiman nou ak aksyon nou. Jezi te konn byen sèvi ak istwa pou l anseye. Pa egzanp, reflechi sou parabòl bon Samariten an ak sou parabòl pitit gason ki te kite kay li e ki te gaspiye byen l yo (Mat. 13:34; Lik 10:29-37; 15:11-32). Moun ki kite fason Satan panse kontamine yo ka sèvi ak istwa pou kòwonp nou. Nou bezwen gen ekilib. Gen fim ak lòt bagay yo pase nan televizyon ki ka amize nou oswa ki ka aprann nou kèk bagay san yo pa kontamine panse nou. Men, nou dwe pran prekosyon. Lè n ap chwazi detant, li t ap bon pou nou mande tèt nou: ‘Èske fim sa a oswa emisyon m ap gade nan televizyon an montre se yon bon bagay pou m satisfè dezi lachè?’ (Gal. 5:19-21; Efe. 2:1-3). Ki sa w dwe fè si w wè gen yon pwogram k ap ankouraje panse Satan yo? Evite l tankou w t ap evite yon maladi trapan! w19.01 15-16 § 6-7.
Samdi 30 me
Aksepte kas delivrans lan. — Efe. 6:17.
Yon kas pwoteje sèvo yon sòlda, konsa tou, “esperans delivrans” nou an pwoteje lespri nou ak kapasite pou n reflechi a (1 Tes. 5:8; Pwo. 3:21). Ki fason Satan ka fè n retire kas nou an? Ann wè ki jan l te aji ak Jezi. Satan te konnen Jezi te gen espwa l ap dirije limanite yon lè. Men, Jezi te gen pou l tann jiskaske lè Jewova fikse a rive. Anvan sa rive, li t ap gen pou l soufri e pou l mouri. Se sa k fè Satan te ofri Jezi posiblite pou l jwenn sa l te espere a pi vit. Satan te fè konnen si Jezi annik fè yon jès pou l adore l, li t ap ka jwenn tout bagay sa yo menm kote a (Lik 4:5-7). Satan konnen Jewova ap fè n jwenn byenfè nan domèn materyèl nan sistèm ki gen pou vini an. Men, nou oblije ret tann, e n ka andire anpil difikilte anvan sa. Se sa k fè Satan ofri n posiblite ki atiran pou n jwi kalite lavi sa a depi kounye a. Li vle pou n chèche avantaj materyèl anvan, pou n chèche gen tout bagay sa yo depi kounye a. Satan ap ankouraje n bay Wayòm nan dezyèm plas nan lavi nou. — Mat. 6:31-33. w18.05 30-31 § 15-17.
Dimanch 31 me
Se pou w gen kè kontan pandan w jèn nan. — Ekl. 11:9.
Wi, Jewova vle w gen kè kontan antanke jèn. Ret konsantre sou objektif espirityèl yo, mete Jewova nan tout sa w planifye pou w fè. Tank ou kòmanse fè sa bonè se tank w ap santi direksyon, pwoteksyon ak benediksyon Jewova pi vit. Reflechi sou tout bon konsèy ou jwenn nan Pawòl Bondye a, epi pran konsèy ki vin apre a oserye: “Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan.” (Ekl. 12:1). Jèn yo nan kongregasyon an merite bonjan felisitasyon pou detèminasyon yo pran pou yo konsantre lavi yo sou sèvis Jewova. Jèn yo fè sa lè yo fè efò pou yo atenn objektif espirityèl yo e lè yo met travay predikasyon an antèt nan lis priyorite yo. Mete sou sa, yo pran desizyon pou yo pa kite monn sa a fè yo distrè. Adolesan yo mèt gen asirans travay di yo fè yo pa pou granmesi. Yo jwenn sipò frè ak sè yo ki renmen yo, epi lè yo lage tout sa y ap fè nan men Jewova, plan yo gen nan lavi a ap mache byen. w18.04 29 § 17, 19.