BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es20 p. 57-67
  • Jen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jen
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2020
  • Soutit
  • Lendi 1ye jen
  • Madi 2 jen
  • Mèkredi 3 jen
  • Jedi 4 jen
  • Vandredi 5 jen
  • Samdi 6 jen
  • Dimanch 7 jen
  • Lendi 8 jen
  • Madi 9 jen
  • Mèkredi 10 jen
  • Jedi 11 jen
  • Vandredi 12 jen
  • Samdi 13 jen
  • Dimanch 14 jen
  • Lendi 15 jen
  • Madi 16 jen
  • Mèkredi 17 jen
  • Jedi 18 jen
  • Vandredi 19 jen
  • Samdi 20 jen
  • Dimanch 21 jen
  • Lendi 22 jen
  • Madi 23 jen
  • Mèkredi 24 jen
  • Jedi 25 jen
  • Vandredi 26 jen
  • Samdi 27 jen
  • Dimanch 28 jen
  • Lendi 29 jen
  • Madi 30 jen
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2020
es20 p. 57-67

Jen

Lendi 1ye jen

Papa a [ap] ban nou kèlkeswa sa nou mande l nan non m. — Jan 15:16.

Se pa ti ankouraje pwomès sa a dwe te ankouraje apot yo! Byenke yo pa t fin byen konprann sans pawòl sa a, Gid yo a ki sou tè a t apral mouri talè konsa, men li pa t ap kite yo san èd. Jewova te pare pou l reponn priyè yo fè pou kèlkeswa èd yo te bezwen pou yo te ka kontinye obeyi kòmandman ki mande pou yo preche mesaj Wayòm nan. Vrèmanvre, yon ti tan annapre, yo te wè jan Jewova te reponn priyè yo te fè pou yo mande l èd (Tra. 4:29, 31). Se menm bagay la tou jodi a. Toutpandan nou kontinye bay fwi, nou se zanmi Jezi. Mete sou sa, nou ka gen asirans Jewova pare pou l reponn priyè nou fè pou n mande l èd pou n venk obstak nou ka jwenn pandan n ap preche bon nouvèl Wayòm nan (Flp. 4:13). Se pa ti rekonesans nou genyen dèske Bondye reponn priyè nou e dèske nou se zanmi Jezi! Bagay sa yo Jewova ban nou yo ban n fòs pou n kontinye bay fwi. — Jak 1:17. w18.05 21 § 17-18.

Madi 2 jen

Annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche. — Ebre 10:24, 25.

Nan senkan sèlman, kretyen Juif ki t ap viv Jerizalèm yo t ap wè yon “jou Jewova” k ap pwoche e yo t ap rekonèt siy Jezi te ba yo pou yo kouri kite vil sa a pou yo ka sove lavi yo (Tra. 2:19, 20; Lik 21:20-22). Jou sa a te rive nan ane 70 epòk nou an lè Women yo te egzekite jijman Jewova sou Jerizalèm. Jodi a, nou gen tout rezon pou n kwè jou Jewova a, yon jou ki “gran e [ki] bay anpil laperèz” toupre rive (Jow. 2:11). Men sa pwofèt Sofoni te di: “Gran jou Jewova a toupre rive! Li toupre rive e l ap vini byen vit!” ​(Sof. 1:14). Pwofesi sa a ki se yon avètisman konsène epòk nou an tou. Piske jou Jewova a ap pwoche, Pòl mande n pou n “gen sousi youn pou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. (Ebre 10:24, nòt.) Kidonk, nou dwe enterese plis toujou nan frè n ak sè n yo yon fason pou n ka ankouraje yo nenpòt lè sa nesesè. w18.04 20 § 1-2.

Mèkredi 3 jen

Mete kouraj sou ou e [...] mete kran sou ou. Pinga w pè e pinga w kraponnen, paske mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen avè w kèlkeswa kote w ale. — Joz. 1:9.

Ala yon bèl ankourajman Jewova te bay Jozye anvan Jewova te fè Pèp li a abite nan Peyi li te pwomèt la! Nonsèlman Jewova te konn ankouraje moun pèsonèlman, men l te konn ankouraje pèp li a antanke gwoup tou. Nan yon sans pwofetik, men sa Jewova te di pou l konsole Juif ki te prizonye nan Babilòn yo: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.” ​(Eza. 41:10). Premye kretyen yo te gen menm asirans sa a, e se menm bagay la tou pou pèp Bondye a jodi a (2 Kor. 1:3, 4). Jezi te jwenn ankourajman nan men Papa l. Lè l t ap batize, li te tande yon vwa sot nan syèl la ki di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” ​(Mat. 3:17). Se pa ti fòs pawòl sa yo dwe te bay Jezi pandan tout sèvis li sou tè a! w18.04 16 § 3-5.

Jedi 4 jen

Ou pa dwe manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la. — Jen. 2:17.

Lè anpil moun jodi a ap li lòd Jewova te bay Adan an, yo ta gendwa di Adan pa t gen libète pou l fè sa l vle. Lè yo di sa, yo konfonn libète yon moun genyen pou l deside ak dwa pou deside sa ki byen ak sa ki mal la. Adan ak Èv te lib pou yo chwazi obeyi Bondye oswa pou yo pa obeyi l. Sepandan, se Jewova sèlman ki gen dwa pou deside yon fason total sa ki byen ak sa ki mal, jan “pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal” ki te nan jaden Edenn nan te senbolize sa (Jen. 2:9). Grasa kòmandman Jewova te bay la, avèk lanmou, li te anseye Adan ak Èv fason pou yo jwi vrè libète a. Anfèt, premye paran nou yo te chwazi dezobeyi. Èske chwa Adan ak Èv te fè a te fè yo vin gen plis libète vre? Malerezman, non. Piske yo te vle deside pou tèt yo, yo te pèdi vrè libète Bondye te ba yo a. w18.04 5-6 § 9-12.

Vandredi 5 jen

Pandan tout tan yo t ap soufri a, sa te fè l soufri. — Eza. 63:9.

Jewova pa sèlman santi li gen konpasyon pou sèvitè l yo k ap soufri. Li aji pou l ede yo. Pa egzanp, lè Izrayelit yo t ap soufri nan esklavaj nan peyi Ejip, Jewova te konprann soufrans yo e l te santi l dwe fè yon bagay pou l soulaje yo. Men sa Jewova te di Moyiz: “Mwen wè tray pèp mwen an [...], e mwen tande yo k ap rele osekou [...]. Mwen byen konnen jan y ap soufri. M ap desann pou m vin delivre yo anba men Ejipsyen yo.” ​(Egz. 3:7, 8). Piske Jewova te santi l gen konpasyon pou pèp li a, li te libere yo anba esklavaj. Plizyè syèk annapre, nan Peyi Bondye te pwomèt la, gen yon seri ènmi ki te atake Izrayelit yo. Ki jan Jewova te reyaji? Li “te gen pitye pou yo poutèt yo t ap plenyen akoz moun ki t ap toupizi yo [ak moun] ki t ap maltrete yo”. Yon lòt fwa ankò, Jewova te mete l nan plas pèp li a e sa te pouse l ede yo. Li te voye yon seri jij sove Izrayelit yo anba men ènmi yo te genyen yo. — Jij 2:16, 18. w19.03 15 § 4-5.

Samdi 6 jen

Èske yon manman kapab bliye pitit li ki nan tete? Oubyen, èske li pap gen pitye pou pitit ki sot nan vant li? Menmsi manman sa yo ta bliye, mwen pa t ap janm ka bliye w. — Eza. 49:15.

De premye kòmandman yo te mande pou Izrayelit yo atache ak Jewova sèlman e l te avèti yo pou yo pa adore zidòl (Egz. 20:3-6). Se pa Jewova kòmandman sa yo t ap fè jwenn byenfè, men se pèp li a. Lè pèp la te ret fidèl avè l, bagay yo te mache byen pou yo. Men, lè yo te adore dye lòt nasyon yo, yo te soufri (1 Wa 10:4-9). Nou pa ka blame Jewova lè moun ki di y ap sèvi l vag sou prensip li yo epi yo fè sèvitè l yo soufri. Men, Jewova renmen nou e li konnen lè yo fè nou enjistis. Li plis santi jan n ap soufri pase jan yon manman santi l lè l gen yon tibebe k ap soufri. Byenke l ka pa aji tousuit, men lè moman an rive, l ap mande moun k ap fè sa ki mal e ki pa repanti yo regleman pou fason yo te aji ak lòt moun. w19.02 22 § 13-15.

Dimanch 7 jen

Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w. — Lik 22:42.

Kèk semèn anvan Memoryal la, byen souvan nan reyinyon yo, yo atire atansyon sou egzanp Jezi ak sou imilite l te demontre lefètke l te bay lavi l kòm ranson. Sa pouse nou pou n gen imilite menm jan avè l e pou nou fè volonte Jewova, menm lè sa difisil. Fè yon ti reflechi ak kouraj li te demontre kèk jou anvan l te mouri. Li te byen konnen nan yon tikras tan ènmi l yo pral imilye l, yo pral bat li e yo pral touye l (Mat. 20:17-19). Malgre sa, li te aksepte mouri. Lè lè a te rive, li te di apot fidèl li yo ki te avèk li Jetsemane: “Leve, ann ale. Men moun k ap livre m nan ap vini.” ​(Mat. 26:36, 46). Te gen yon foul moun ame ki te vin arete l. Li te avanse sou yo, li te fè konn kiyès li ye e li te mande sòlda yo pou yo kite apot li yo ale (Jan 18:3-8). Se pa ti kouraj Jezi te demontre! Jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak kretyen ki fè pati lòt mouton yo fè efò pou yo aji avèk kouraj menm jan ak Jezi. w19.01 27-28 § 7-8.

Lendi 8 jen

Chèche gen imilite. — Sof. 2:3.

Menm jan yon atis met plizyè bèl koulè ansanm pou l fè yon tablo, se konsa, nou dwe gen plizyè bèl kalite pou nou gen imilite. Pami kalite nou plis bezwen yo, gen soumisyon, dousè, ak kouraj. Se sèl moun ki gen imilite k ap soumèt devan volonte Bondye. Youn nan bagay Bondye vle se pou nou dou (Mat. 5:5; Gal. 5:23). Lè nou fè volonte Bondye, nou fè Satan fache. Donk, menm lè nou gen imilite e nou se moun ki dou, anpil moun ki fè pati monn Satan an rayi nou (Jan 15:18, 19). Konsa, nou bezwen gen kouraj pou nou reziste devan Satan. Yon moun ki pa gen imilite se yon moun ki awogan, ki fè kòlè san kontwòl e ki pa obeyi Jewova. Se egzakteman konsa Satan ye. Nou pa bezwen sezi lè n tande li rayi moun ki gen imilite! Bèl kalite moun sa yo genyen montre jan Satan mechan. Sa k fè l pi fache se paske yo pwouve li se yon mantè. Kòman sa? Paske kèlkeswa sa l di oubyen kèlkeswa sa l fè, li pap janm ka anpeche moun ki gen imilite yo sèvi Jewova. — Jòb 2:3-5. w19.02 8-9 § 3-5.

Madi 9 jen

Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. — Eza. 41:10.

Jewova te konnen moun nan peyi Babilòn yo t ap vin pè. Lame peyi Medi ak peyi Pès yo te atake Babilòn. Jewova t ap itilize lame sa a pou l libere pèp li a ki te prizonye nan Babilòn (Eza. 41:2-4). Lè Babilónyen yo ak moun lòt nasyon te konnen ènmi yo t ap vini, yo te fè efò pou yo pa pè lè youn te di lòt: “Mete kouraj sou ou.” Epitou, yo te fè plis zidòl. Yo te espere zidòl sa yo t ap pwoteje yo (Eza. 41:5-7). Pandan tan sa a, pawòl Jewova te fè pwofèt Ezayi ekri yo te kalme Juif ki te ann egzil yo. Jewova te di: “Men ou menm, o Izrayèl [kontrèman ak nasyon ki te ozalantou yo], ou se sèvitè m. [...] Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w.” ​(Eza. 41:8-10). Remake sa Jewova te di: “Mwen se Bondye w.” Grasa pawòl sa yo, Jewova te bay adoratè fidèl li yo asirans li pap bliye yo, li toujou Bondye yo e yo toujou pèp li. Li te di yo: “M ap pote nou [...], e m ap delivre nou.” Se sèten, pawòl sa yo ki bay asirans te bay Juif ki te ann egzil yo fòs. — Eza. 46:3, 4. w19.01 4 § 8.

Mèkredi 10 jen

Gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di: “Ou se Pitit Gason m, pitit mwen renmen anpil la. Mwen pran plezi nan ou.” — Mak 1:11.

Nan Mak 1:9-11, nou jwenn premye nan twa okazyon Jewova te pale detan l nan syèl la. Men sa Jewova te di: “Ou se Pitit Gason m, pitit mwen renmen anpil la. Mwen pran plezi nan ou.” Sa dwe te touche kè Jezi anpil lè l te tande vwa Papa l k ap di l li renmen l e li gen konfyans nan li! Pawòl Jewova te di yo kore twa verite enpòtan konsènan Jezi. Premyèman, Jezi se Pitit li. Dezyèmman, Jewova renmen Pitit Gason l lan. E twazyèmman, Jewova pran plezi nan Pitit Gason l lan. Lè Jewova di “ou se Pitit Gason m” nan li montre Jezi, Pitit li renmen anpil la, te vin gen yon nouvo relasyon avè l. Pandan Jezi te nan syèl la, li te yon espri, yon pitit Bondye. Men, lè l batize, li te vin resevwa lespri sen. Nan moman sa a, Bondye te fè konnen Jezi, antanke Pitit li chwazi a, gen espwa pou l retounen nan syèl la pou l vin Wa Bondye nome e pou l vin Gran Prèt (Lik 1:31-33; Ebre 1:8, 9; 2:17). Donk, nan moman batèm Jezi, Papa l te gen bonjan rezon pou l di l: “Ou se Pitit Gason m.” — Lik 3:22. w19.03 8 § 3-4.

Jedi 11 jen

Pa gen okenn sajès [...] lakay moun ki kont Jewova. — Pwo. 21:30.

Depi nan kòmansman istwa lèzòm y ap bay moun move konsèy. Se Satan an premye ki te bay move konsèy. Li te pran dwa ki pa pou li e li te bay tèt li wòl konseye lè l te di Èv li menm ak mari l ap gen plis kè kontan si yo chwazi viv jan yo vle (Jen. 3:1-6). Satan t ap chèche avantaj pa l. Li te vle se li menm pou Adan ak Èv ak pitit yo obeyi e pou yo adore olye yo adore Jewova. Men, se Jewova ki te ba yo tout sa yo te genyen. Li te mete yo viv ansanm, li te ba yo bèl jaden kote yo t ap viv la e li te ba yo yon kò ki pafè ki te kapab viv pou toutan. Malerezman, Adan ak Èv te dezobeyi Bondye, konsa yo te koupe tout relasyon avè l. Menm jan lè yo koupe yon flè nan yon plant, tikras pa tikras, li fennen epi li mouri, se konsa tou Adan ak Èv te depafini epi yo mouri. Pitit yo te soufri tou akoz peche ki se yon malediksyon (Wom. 5:12). Menm lè sa a, pifò moun chwazi pou yo pa soumèt devan Bondye. Yo vle viv jan yo vle (Efe. 2:1-3). Rezilta yo jwenn yo montre aklè tèks pou jounen an se laverite. w18.12 20 § 3-4.

Vandredi 12 jen

Nou pa [pale] ak pawòl ki soti nan sajès lèzòm, men nou fè sa ak pawòl ki soti nan lespri Bondye, pandan n ap sèvi ak pawòl ki ann akò ak lespri a pou n esplike bagay ki gen rapò ak Bondye. — 1 Kor. 2:13.

Apot Pòl te yon moun ki entèlijan e ki enstwi, e l te pale omwen de lang (Tra. 5:34; 21:37, 39; 22:2, 3). Sepandan, anrapò ak prensip, li te rejte sajès monn nan. Li te baze rezònman l yo sou Ekriti yo (Tra. 17:2; 1 Kor. 2:6, 7). Konsa, Pòl te reyisi nan travay predikasyon an, li te gen kè kontan, e l t ap tann yon rekonpans ki etènèl (2 Tim. 4:8). Pa gen dout, panse Bondye pi bon pase panse monn nan. Lè n viv ann amoni ak panse Bondye sa ap fè n gen pi gwo kè kontan an e n ap reyisi toutbon. Sepandan, Jewova pap fòse n vin gen panse l. Ni “esklav fidèl ki prevwayan an”, ni ansyen yo pap chèche kontwole panse nou (Mat. 24:45; 2 Kor. 1:24). Okontrè, chak kretyen gen responsablite pou l fè panse l vin ann amoni ak panse Bondye. w18.11 20-21 § 12-13.

Samdi 13 jen

Yo pap nan chagren e yo pap plenn ankò. — Eza. 35:10.

Bondye te sèvi ak pwofèt Ezayi pou l fè konnen apre pèp Li a fin retounen nan peyi yo, yo pa t ap gen pou yo fè fas ak yon seri danje. Epitou, yo pa t ap bezwen pè pou ni bèt ki mechan ni moun ki sovaj tankou bèt pa atake yo. Timoun kou granmoun t ap an sekirite (Eza. 11:6-9; 35:5-10; 51:3). Ezayi te di tou se pa sèlman nasyon Izrayèl la ki t ap “plen konesans sou Jewova menm jan lanmè a plen dlo”, men se tout tè a. Pi devan, Ezayi te mete aksan sou menas moun ki sot ann egzil yo pa t ap jwenn. Ni bèt ni moun pa t ap yon menas pou yo. Peyi yo a t ap pwodui anpil fwi paske t ap gen anpil dlo, menm jan jaden Edenn nan te byen wouze (Jen. 2:10-14; Jer. 31:12). Èske se t ap akonplisman sa a sèlman li t ap genyen? Pa gen anyen ki montre te gen yon mirak ki te fèt kote moun ki retounen sot ann egzil yo te jwenn gerizon. Pa egzanp, moun ki avèg yo pa t retounen wè. Donk, Bondye te montre se alavni moun yo t ap gen pou yo geri. w18.12 5 § 11-12.

Dimanch 14 jen

Kontinye [...] mache nan laverite. — 3 Jan 3.

Mache nan laverite se yon bagay n ap kontinye fè, se yon chemen nou swete suiv pou tout letènite. Ki jan n ka ranfòse detèminasyon n pran pou n kontinye mache nan laverite? Kontinye etidye verite ki gen anpil valè ki nan Pawòl Bondye a epi medite sou yo. Wi, se pou n achte laverite lè n rezève tan regilyèman pou n nouri tèt nou ak verite ki gen anpil valè ki nan Pawòl Bondye a. Konsa, n ap vin pi apresye laverite e n ap vin pi detèmine pou n pa janm vann li. Anplis achte laverite, Pwovèb 23:23 di nou dwe achte “sajès, disiplin ak bon konprann”. Konesans sèlman pa sifi. Nou dwe kite laverite aji nan lavi nou. Grasa bon konprann, nou rive wè amoni ki gen nan tout sa Jewova di. Sajès ap pouse n aji ann amoni ak konesans nou genyen. Pafwa, laverite disipline nou, li montre n ki kote n bezwen fè chanjman. Se pou n toujou suiv direksyon l ban nou. Li gen plis valè lontan pase ajan. — Pwo. 8:10. w18.11 9 § 3; 11 § 13-14.

Lendi 15 jen

Achte laverite e pinga w janm vann li. — Pwo. 23:23.

Ki bagay ou genyen ki gen plis valè? Èske w t ap dispoze bay bagay sa a pou yon lòt bagay ki gen mwens valè? Pou adoratè ki vwe Jewova lavi yo, repons kesyon sa yo senp. Bagay ki gen plis valè nou genyen se relasyon nou ak Jewova, e nou pap bay li pou anyen. Anplis de sa, nou bay verite ki nan Bib la anpil valè, yon verite ki pèmèt nou vin gen kalite lyen sa a ak Papa nou ki nan syèl la (Kol. 1:9, 10). Jis fè yon ti reflechi ak tout sa Gran Pwofesè nou an anseye n grasa Pawòl li a, Labib! Li fè n konnen laverite konsènan siyifikasyon non l e l fè n konn bèl kalite l genyen yo. Li anseye n laverite sou ranson an ki se yon gwo kado li te bay pou nou avèk lanmou pa mwayen Pitit Gason l lan, Jezi. Mete sou sa, Jewova fè n konnen laverite sou Wayòm Mesi a, e l pèmèt moun gen espwa pou yo viv sou tè a k ap vin yon paradi. Li anseye n fason pou n viv. Nou bay verite sa yo anpil valè paske yo pèmèt nou pwoche bò kote Kreyatè nou an. Yo fè lavi n gen yon sans. w18.11 3 § 1-2.

Madi 16 jen

Pinga youn bay lòt manti. — Kol. 3:9.

Moun sa yo k ap twonpe moun pa ka kache Jewova anyen, paske “tout bagay ekspoze aklè, san anyen pa kouvri yo, devan je” l (Ebre 4:13). Pa egzanp, Anànyas ak Safira te planifye nan kè yo pou yo twonpe apot yo. Yo te vann yon tè yo te genyen, men se sèlman yon pati nan kòb la yo te pote bay apot yo. Mari ak madanm sa a te vle kongregasyon an byen wè yo, yo te vle fè konprann yo pi donan pase jan yo te ye an reyalite. Men, Jewova te ka wè sa yo te fè a, e l te pini yo pou sa (Tra. 5:1-10). Ki jan Jewova wè manti? Satan ansanm ak tout moun k ap bay manti e ki pa repanti yo pral fini nan “letan dife” a (Rev. 20:10; 21:8; Sòm 5:6). Nou konnen Jewova “pa yon senp moun pou l ap bay manti”. Anfèt, “li enposib pou Bondye bay manti”. (Nonb 23:19; Ebre 6:18.) “Jewova rayi [...] lang moun k ap bay manti.” ​(Pwo. 6:16, 17). Pou n ka gen apwobasyon l, nou dwe viv ann amoni ak prensip li bay anrapò ak laverite. w18.10 8 § 10-13.

Mèkredi 17 jen

Reflechi sou bagay sa yo. — 1 Tim. 4:15.

Ann sipoze patwon w ta mande w bay patisipasyon w pou yon fèt ki gen rapò ak fo relijyon. Ki sa w t ap fè? Olye w tann sitiyasyon sa yo rive, sa w panse si w ta kòmanse reflechi depi kounye a sou pwennvi Jewova gen sou kesyon sa yo? Konsa, si yon sitiyasyon konsa ta rive, menm jan ak twa Ebre yo, w ap wè l pi fasil pou w fè e pou w di sa ki kòrèk la. Lè n reflechi alavans sou nesesite pou n ret fidèl sa ka ede n si n ta gen yon ijans nan domèn medikal. Byenke nou pran detèminasyon pou n pa pran san oswa nenpòt nan kat konpozan prensipal san an, gen kèk tretman ki enplike san ki mande pou chak kretyen pran pwòp desizyon l sou baz prensip biblik yo ki montre fason Jewova panse (Tra. 15:28, 29). Pi bon moman pou n reflechi sou kesyon sa yo se pa lè n nan yon lopital, kote n gendwa ap soufri e n ka anba presyon pou n pran yon desizyon tousuit. Se depi kounye a pou w fè rechèch, pou w gen yon dokiman medikal lalwa rekonèt ki montre sa w vle, e pou w pale ak doktè w. w18.11 24 § 5; 26 § 15-16.

Jedi 18 jen

Moun ki koute m yo ap viv ak kè poze. — Pwo. 1:33.

Jewova se yon bèje ki gen lanmou. Avèk tandrès, li pran pèp li a nan bra l, li pwoteje yo kont ènmi yo. Se pa ti asirans nou jwenn nan verite sa a toutpandan fen sistèm sa a ap pwoche! Jewova ap kontinye pran swen pèp li a pandan gwo tribilasyon an k ap pwoche byen vit (Rev. 7:9, 10). Se sa k fè, kit yo jèn kit yo granmoun, kit yo an sante kit yo pa an sante, pèp Bondye a pap panike ni yo pap kite laperèz anvayi yo pandan gwo tribilasyon an. Anfèt, y ap fè egzakteman lekontrè! Y ap sonje pawòl sa yo Jezi Kris te di: “Kanpe dwat, leve tèt nou, paske se delivrans nou k ap pwoche.” ​(Lik 21:28). Y ap kontinye gen konfyans sa a menm lè y ap fè fas ak atak Gòg la, ki se rasanbleman yon pakèt nasyon pisan (Eze. 38:2, 14-16). Poukisa pèp Bondye a ap kontinye gen konfyans sa a? Se paske yo konnen Jewova pa chanje. Yon lòt fwa ankò, l ap montre l se yon Sovè ki konn pran swen moun e ki gen konsiderasyon pou moun. — Eza. 26:20. w18.09 26 § 15-16.

Vandredi 19 jen

[Ou] vin gen anpil valè pou mwen, [...] mwen renmen w. — Eza. 43:4.

Izrayelit ki te fidèl yo dwe te santi yo ankouraje lè yo te tande Jewova k ap di yo pawòl ki nan tèks pou jounen an. Antanke sèvitè Jewova, ou menm tou ou kapab gen asirans Jewova renmen w avèk plis tandrès toujou. Men pwomès Pawòl Bondye a fè moun k ap pratike adorasyon ki pwòp la: “Piske li se Sila a ki gen pisans lan, l ap sove nou. L ap kontan anpil pou nou.” ​(Sof. 3:16, 17). Kèlkeswa eprèv pèp Jewova a ka ap rankontre, Jewova pwomèt l ap fòtifye yo e l ap konsole yo. Men sa l di: “Y ap pote nou bò ranch yo, e y ap pran swen nou avèk tandrès sou janm yo. Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa tou, m ap kontinye konsole nou.” ​(Eza. 66:12, 13). Imaj sa a touchan anpil: yon manman ki gen lanmou k ap pote pitit li bò ranch li oswa k ap pran swen l avèk tandrès sou janm li! Yon fason touchan, egzanp sa a montre kokennchenn lanmou ki chaje ak tandrès Jewova gen pou vrè adoratè yo. Nou pa dwe janm gen dout sou fason nou gen anpil valè pou Jewova. — Jer. 31:3. w18.09 13 § 6-7.

Samdi 20 jen

Kiyès nan nou ki vle fè Jewova kado kèk bagay jodi a? — 1 Kwo. 29:5.

Nan istwa pèp Izrayèl tan lontan an, te gen anpil okazyon kote yo te konn bezwen volontè (Egz. 36:2; Ney. 11:2). Jodi a, ou menm tou ou gen anpil okazyon pou w sèvi kòm volontè lè w bay tan w, sa w posede ak kapasite w genyen pou ede frè w ak sè w yo. Kè w ap kontan anpil e w ap jwenn anpil benediksyon lè w mete w disponib. Byen souvan, moun k ap sèvi kòm volontè nan pwojè òganizasyon an ap reyalize yo rive fè nouvo zanmi. Ann pran egzanp Margie, yon sè ki te fè 18 an ap travay nan pwojè konstriksyon Sal Wayòm. Pandan plizyè ane, li te bay plizyè jèn sè fòmasyon. Li te rann li kont se yon bon fason pou youn ankouraje lòt nan domèn espirityèl (Wom. 1:12). Lè Margie t ap fè fas ak moman difisil nan lavi l, li te jwenn ankourajman nan men zanmi l te vin genyen pandan pwojè konstriksyon yo. Èske w deja sèvi kòm volontè nan yon pwojè konstriksyon? w18.08 25 § 9, 11.

Dimanch 21 jen

Pa janm kite pèsonn meprize w paske w jèn. Okontrè, se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo, nan pawòl ou, nan konduit ou, nan lanmou w, nan lafwa w ak nan vi pwòp w ap mennen an. — 1 Tim. 4:12.

Nan epòk Pòl te ekri pawòl sa yo, Timote te ka fèk nan trantèn li. Poutan, Pòl te ba l kèk gwo responsablite. Kèlkeswa rezon ki fè Pòl te bay konsèy sa a, leson an klè. Nou pa dwe jije frè ki jèn yo senpleman sou baz laj yo. L ap bon pou n sonje menm Jezi, Seyè nou an, te akonpli tout sèvis li sou tè a pandan l te nan trantèn li. Nan kèk kilti, moun yo ka gen tandans meprize jèn gason yo. Konsa, ansyen yo nan kongregasyon an ka renka pou yo rekòmande jèn frè ki kalifye yo kòm sèvitè ministeryèl oswa kòm ansyen. L ap bon pou n sonje Ekriti yo pa bay yon laj minimòm pou rekòmande gason yo kòm sèvitè ministeryèl oswa kòm ansyen. — 1 Tim. 3:1-10, 12, 13; Tit 1:5-9. w18.08 11-12 § 15-16.

Lendi 22 jen

Vire do bay [...] sa yo swadizan rele “konesans” lan. — 1 Tim. 6:20.

Pou n ka pran bon desizyon, nou bezwen gen bonjan enfòmasyon. Kidonk, nou bezwen pran anpil prekosyon e n bezwen byen chwazi enfòmasyon nou pral li (Fil. 4:8, 9). Nou pa dwe gaspiye tan nou nan gade nouvèl sou yon seri sit Entènèt moun pa fè konfyans oswa nan li yon seri repòtaj moun pa ka konfime k ap sikile pa mwayen imel. Li sitou enpòtan pou n evite sit Entènèt aposta yo. Tout objektif moun sa yo se kraze pèp Bondye a epi defòme verite a. Move enfòmasyon pouse moun pran move desizyon. Pa janm souzestime gwo efè move enfòmasyon ka genyen sou panse nou ak kè nou. Pa egzanp, sonje sa k te rive nan epòk Moyiz la lè 10 nan 12 espyon yo te voye al gade Peyi Bondye te pwomèt la te pote yon move rapò (Nonb 13:25-33). Yo te bay yon rapò ki egzajere e ki chokan, sa ki te fè pèp Jewova a dekouraje nèt (Nonb 14:1-4, 6-10). Olye yo te chèche gen tout enfòmasyon yo epi yo met konfyans yo nan Jewova, yo te chwazi kwè move rapò yo te ba yo a. w18.08 4 § 4-5.

Madi 23 jen

Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen. — 1 Kor. 15:33.

Pifò moun gen kèk bon kalite lakay yo, e gen anpil moun ki pap sèvi Jewova ki pa lage kò yo nan konduit ki chokan. Si se konsa moun ou konnen yo ye, èske w ka di yo se bon zanmi? Mande tèt ou ki efè sa ap gen sou relasyon w gen ak Jewova a si w fè zanmi ak yo. Èske y ap fè relasyon sa a vin pi sere? Ki sa yo gen nan kè yo? Pa egzanp, èske konvèsasyon yo toujou santre sou kesyon mòd, lajan, gadjèt, detant oswa lòt bagay materyèl? Èske byen souvan yo di pawòl k ap denigre moun oswa yo bay blag betiz? Men ki avètisman Jezi te bay byen klè: “Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l.” ​(Mat. 12:34). Si w rann ou kont moun ki zanmi w yo se yon danje pou bon repitasyon w gen devan Jewova a, aji byen vit pou w met yon limit nan zanmitay sa yo, e si sa nesesè, kraze yo nèt. — Pwo. 13:20. w18.07 19 § 11.

Mèkredi 24 jen

Moyiz [...] te gen plis imilite pase tout moun. — Nonb 12:3.

Lè Moyiz te gen 80 an, Jewova te ba l asiyasyon pou l delivre pèp Izrayèl la nan esklavaj ann Ejip (Egz. 3:10). Moyiz te chèche eskiz plizyè fwa. Men, Jewova te kontinye demontre pasyans e l te menm bay Moyiz pouvwa pou l fè mirak (Egz. 4:2-9, 21). Li te ka fè Moyiz pè pou l soumèt byen vit devan l. Olye de sa, Jewova te montre l gen pasyans ak bonte e l te fè efò pou l bay sèvitè l la ki te konn limit li e ki te gen imilite asirans. Èske fason sa a li te montre konsiderasyon an te mache? Wi! Moyiz te vin tounen yon dirijan estrawòdinè ki te eseye trete lòt moun ak menm dousè ak konsiderasyon Jewova te trete l la. Si ou gen yon sèten otorite, se pa ti enpòtan l enpòtan pou w imite Jewova lè w montre konsiderasyon, bonte ak pasyans nan fason w trete moun w ap pran swen yo (Kol. 3:19-21; 1 Pyè 5:1-3)! Lè w fè efò pou w imite Jewova ansanm ak Jezi Kris, Gran Moyiz la, nonsèlman w ap yon moun ki abòdab, men, w ap ankouraje lòt moun. — Mat. 11:28, 29. w18.09 24-25 § 7-10.

Jedi 25 jen

Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan, lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm. — Sòm 133:1.

Poukisa n pa pran detèminasyon pou n gen bonjan enfliyans sou frè n ak sè n yo e pou n kontribye pou gen tèt ansanm pami nou? Si w deja ap fè sa, ou merite felisitasyon. Èske w ka “ouvri kè” w, sa vle di ouvri l byen laj e fè sa plis toujou (2 Kor. 6:11-13)? Ki sa n ka di anrapò ak bonjan efò n dwe fè pou n fè limyè verite ki nan Bib la briye bò lakay nou? Bèl pawòl nou di ak bèl aksyon n fè ka fè yon vwazen vin enterese nan laverite. Mande tèt ou: ‘Ki fason vwazen m yo wè m? Èske m fè efò pou kay mwen ak sa m posede toujou pwòp e pou sa bay yon bèl imaj nan katye a? Èske m pran inisyativ pou m ede lòt moun?’ Lè n ap pale ak lòt Temwen yo, poukisa n pa mande yo esplike n ki jan jantiyès yo ak bon konduit yo gen efè sou moun nan fanmi yo, vwazen yo, kòlèg travay yo ak kamarad lekòl yo? Se sèten n ap tande anpil bèl eksperyans. — Efe. 5:9. w18.06 24 § 13-14.

Vandredi 26 jen

Gen yon lè k ap rive kote moun ap touye nou e y ap panse se yon sèvis sakre yo fè pou Bondye. — Jan 16:2.

Se sa moun ki te touye Etyèn yo te panse, e se menm bagay la pou kèk lòt moun ki menm jan ak yo (Tra. 6:8, 12; 7:54-60). Yon bagay ki dwòl sèke lè fanatik relijyon sa yo fè yon seri zak mechanste, tankou touye moun, yo vyole lwa Sila a yo fè konnen y ap adore a (Egz. 20:13). Vrèmanvre, konsyans yo se yon gid ki trèt! Ki sa n ka fè pou n anpeche konsyans nou mal fonksyone? Lwa ak prensip ki nan Pawòl Bondye a “itil pou anseye, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat, pou bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis”. (2 Tim. 3:16.) Donk, lè n byen etidye Bib la, lè n medite sou sa l di epi n aplike yo nan lavi n, nou ka fòme konsyans nou pou l vin pi ann amoni ak panse Bondye, e konsa, l ap ka vin yon bon gid. w18.06 16-17 § 3-4.

Samdi 27 jen

Aksepte [...] epe lespri a, sètadi pawòl Bondye a. — Efe. 6:17.

Nan epòk Pòl te ekri lèt li a, epe sòlda women yo te konn genyen an te mezire 50 santimèt longè e l te fèt pou yo fè konba ak men. Youn nan rezon ki fè sòlda women yo te fò anpil nan fason yo sèvi ak epe yo, se paske yo te konn antrene ak yo chak jou. Pòl te konpare Pawòl Bondye a ak yon epe Jewova ban nou. Men, nou dwe aprann ki jan pou n byen sèvi avè l lè n ap defann kwayans nou oswa pou n fè chanjman nan fason n panse (2 Kor. 10:4, 5; 2 Tim. 2:15). Nou pa bezwen pè Satan ak demon yo. Se vre yo gen anpil pisans, men, yo pa gen plis pisans pase Jewova. Epitou, yo ka mouri. Talè konsa, pandan Rèy mil an Kris la, yo pral fèmen yo yon kote yo pap ka fè anyen ditou, epi, apre sa, y ap detwi yo (Rev. 20:1-3, 7-10). Nou konn ènmi nou an, nou konn taktik li yo e n konn entansyon l. Grasa èd Jewova, nou kapab kenbe fèm kont li! w18.05 30 § 15; 31 § 19-21.

Dimanch 28 jen

Sèpan an di fi a: “Nou pap mouri pyès.” — Jen. 3:4.

Sa klè, Adan te konnen sèpan pa konn pale. Donk, li dwe te sipoze se yon kreyati espirityèl ki te sèvi ak sèpan an pou l pale ak Èv (Jen. 3:1-6). Adan ak Èv te prèske pa konn anyen konsènan kreyati espirityèl sa a. Aktout sa, Adan te chwazi vire do bay Papa l ki nan syèl la ki gen lanmou, e l te fè menm jan ak etranje sa a ki te kanpe kont volonte Bondye (1 Tim. 2:14). San pèdi tan, Jewova te kòmanse bay kèk enfòmasyon konsènan ènmi sa a ki te kòwonp Adan ak Èv, e l te pwomèt mechan sa a t ap gen pou l detwi. Men, Jewova te fè konnen tou, pandan yon tan, kreyati espirityèl ki te sèvi ak sèpan an pou l pale a t ap gen pouvwa pou l opoze ak moun ki renmen Bondye yo (Jen. 3:15). Antanke yon Bondye ki gen sajès, Jewova pa janm di nou non zanj ki te rebele kont li a. Epitou, Bondye te chwazi pou l pa menm bay siyifikasyon non ènmi sa a pandan anviwon 2 500 an apre premye rebelyon an. — Jòb 1:6. w18.05 22 § 1-2.

Lendi 29 jen

Sa ki tonbe nan bon tè a, se moun ki [...] bay fwi avèk andirans. — Lik 8:15.

Si sa rive ou dekouraje lè w ap preche nan tèritwa kote moun yo pa tèlman enterese, konnen sa te rive apot Pòl tou. Pandan sèvis li ki te dire anviwon 30 an, li te ede anpil moun vin disip Kris (Tra. 14:21; 2 Kor. 3:2, 3). Malgre sa, li pa t rive fè anpil Juif vin nan vrè adorasyon an. Okontrè, pifò nan yo te rejte Pòl, e gen kèk moun ki te menm pèsekite l (Tra. 14:19; 17:1, 4, 5, 13). Ki efè move reyaksyon sa a Juif yo te genyen an te gen sou Pòl? Men sa l te admèt aklè: “Se laverite m ap di anrapò ak Kris. [...] Nan kè m, mwen gen yon gwo tristès ak yon lapenn ki pa janm pase.” ​(Wom. 9:1-3). Ki sa k fè Pòl te santi l konsa? Se paske kè l te nan travay predikasyon an. Li te preche Juif yo paske l te gen bonjan sousi pou yo. Kidonk, sa te fè Pòl lapenn pou l wè yo rejte mizèrikòd Bondye. Menm jan ak Pòl, nou preche moun yo paske n gen bonjan sousi pou yo. — Mat. 22:39; 1 Kor. 11:1. w18.05 13 § 4-5.

Madi 30 jen

Tètchaje yon moun genyen fè kè l vin lou, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan. — Pwo. 12:25.

Pòl te montre menm yon moun ki gen responsablite pou ankouraje lòt moun bezwen yo fòtifye l tou. Men sa l te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo: “Se pa ti anvi m anvi wè nou pou m ka fè nou jwenn kèk benediksyon ki soti nan Bondye, dekwa pou nou ka vin fèm. Ann di pito, pou youn ka ankouraje lòt, pou chak moun jwenn ankourajman nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m.” ​(Wom. 1:11, 12). Vrèmanvre, byenke Pòl te konn bay bonjan ankourajman, pafwa li te konn bezwen moun fòtifye l tou (Wom. 15:30-32). Moun ki fè anpil sakrifis nan lavi yo merite pou n felisite yo. Yon lòt gwoup moun ki merite jwenn ankourajman se frè ak sè ki ret selibatè paske yo vle suiv konsèy pou yo marye “sèlman [ak yon moun ki] nan Seyè a”. (1 Kor. 7:39.) Mete sou sa, kretyen ki ret fidèl anba pèsekisyon oswa maladi bezwen tande pawòl ki ankourajan. — 2 Tes. 1:3-5. w18.04 21 § 3-5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje