Jiyè
Mèkredi 1ye jiyè
Kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye. — Efe. 5:17.
N ap viv nan “tan [ki] di” e ki “difisil pou moun sipòte”, epitou, lavi a gen pou l vin pi difisil toujou anvan Jewova chanje bagay yo e pou l fè gen vrè lapè sou tè a ankò (2 Tim. 3:1). Kidonk, l ap bon pou n mande tèt nou: ‘Nan men kiyès m ap chèche jwenn èd ak konsèy?’ Sa gen plizyè syèk, gen youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te konprann jan l enpòtan pou n leve je n gade Jewova pou n mande l èd lè n bezwen sa (Sòm 123:1-4). Li te konpare fason n ap gade Jewova ak fason yon sèvitè gade mèt li. Ki sa l te vle di? Ebyen, nonsèlman yon sèvitè gade mèt li pou l ka jwenn manje ak pwoteksyon, men tou, sèvitè a bezwen toujou ap gade mèt li pou l rive wè ki sa mèt la vle epi pou l fè yo. Nan menm sans lan, se chak jou nou bezwen fouye nan Pawòl Bondye a pou n rive wè ki sa Jewova vle pou nou menm pèsonèlman e pou n suiv direksyon sa a. Se sèlman lè sa a n ap ka gen asirans Jewova ap fè n favè nan moman nou bezwen l lan. w18.07 12 § 1-2.
Jedi 2 jiyè
Si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon. — Jan 8:36.
Jezi t ap pale konsènan libere anba pi gwo esklavaj ak enjistis lèzòm ap sibi a, sètadi lefètke yo se “esklav peche”. (Jan 8:34.) Nonsèlman peche ka pouse n fè sa ki mal, men tou, li ka anpeche n fè sa n konnen ki dwat oswa l ka anpeche n viv ann amoni ak sa n konnen nou kapab fè. Nan sans sa a, nou se esklav peche, e rezilta l bay se tètchaje, doulè, soufrans, e finalman lanmò (Wom. 6:23). Se sèlman lè chenn peche ki mare nou an kase, nou ka gen espwa n ap jwenn vrè libète premye paran nou yo te gen yon lè a. Piske Jezi te di “si nou rete nan pawòl mwen”, sa montre gen kèk obligasyon oswa limit nou dwe respekte pou l ka libere nou (Jan 8:31). Antanke kretyen ki vwe Bondye lavi n, nou te nye tèt nou e n te chwazi rete nan limit ansèyman Kris la antanke disip li (Mat. 16:24). Jan Jezi te pwomèt la, n ap libere toutbon lè byenfè sakrifis ranson l lan aplike nèt nan ka pa nou. w18.04 7 § 14-16.
Vandredi 3 jiyè
Ou menm sèl ki konnen toutbonvre sa ki nan kè lòm. — 2 Kwo. 6:30.
Jewova montre konsiderasyon pou santiman pèp li a, menm lè fason yo panse pa toujou kòrèk. Ann pran egzanp Jonas. Bondye te voye pwofèt li a al anonse yon mesaj jijman kont moun Niniv yo. Lè yo te repanti, Bondye te chwazi pa detwi yo. Men Jonas pa t kontan desizyon sa a. Li “te vin fache anpil” paske pwofesi li te bay konsènan destriksyon Niniv la pa t reyalize. Men, Jewova te pran pasyans ak Jonas e l te ede l korije fason l panse (Jon. 3:10–4:11). Finalman, Jonas te vin konprann e Jewova te menm sèvi avè l pou l ekri istwa sa a pou byen nou (Wom. 15:4). Fason Jewova te aji ak pèp li a ban nou asirans li konn mete l nan plas sèvitè l yo. Li konnen doulè ak soufrans nou chak. Li konprann sa nou panse ak sa nou santi nan fon kè nou e li konn limit nou. Mete sou sa, “li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte”. (1 Kor. 10:13.) Se pa ti konsolasyon nou jwenn nan asirans sa a li ban nou an! w19.03 16 § 6-7.
Samdi 4 jiyè
Tout bagay ekspoze aklè, san anyen pa kouvri yo, devan je Sila a nou gen kont pou nou rann nan. — Ebre 4:13.
Anba Lwa Moyiz la, ansyen yo te responsab nonsèlman pou yo jije bagay ki gen rapò ak vrè adorasyon an, men tou se yo ki te konn jije ka ki gen rapò ak pwoblèm moun te konn gen youn ak lòt ak move zak ki te fèt. Ann gad kèk egzanp. Si yon Izrayelit te touye yon moun, yo pa t touye l lapoula. Ansyen nan vil la te konn mennen ankèt pou yo konnen sa k te rive anvan yo deside si yo te dwe kondane moun nan pou l mouri (Det. 19:2-7, 11-13). Ansyen yo te konn jije divès aspè nan lavi pèp la, soti nan rezoud ka kote gen moun ki nan kont rive nan ka kote se yon mari ak yon madanm ki gen pwoblèm (Egz. 21:35; Det. 22:13-19). Lè ansyen yo te aji avèk jistis, e lè Izrayelit yo te obeyi Lalwa, tout moun te jwenn byenfè, e nasyon an te fè Jewova jwenn glwa (Lev. 20:7, 8; Eza. 48:17, 18). Chak aspè nan lavi nou gen enpòtans pou Jewova. Li vle nou aji avèk jistis e avèk lanmou nan fason nou boule ak lòt moun. E li konnen tout sa nou di ak sa nou fè, menmsi se anndan lakay nou. w19.02 23 § 16-18.
Dimanch 5 jiyè
Li te kite yo fè l soufri, epoutan li pa t ouvè bouch li di yon mo. — Eza. 53:7.
Lè nou strese, li difisil pou nou aji avèk imilite. Nou ka pale rèd ak moun e nou ka trete lòt moun yon fason ki pa janti. Si w konn santi w strese, reflechi sou egzanp Jezi. Nan dènye moman Jezi te pase sou tè a, li te anba gwo strès. Li te konnen yo t apral touye l e li t apral soufri anpil (Jan 3:14, 15; Gal. 3:13). Kèk mwa anvan Jezi mouri, li te fè konnen li te santi l strese (Lik 12:50). E kèk jou sèlman anvan l mouri, li te di: “Mwen boulvèse.” Nou ka santi jan Jezi te gen imilite ak jan li te soumèt li devan Bondye nan moman l t ap priye Bondye pou l fè Bondye konn sa l santi (Jan 12:27, 28). Lè lè a te rive, Jezi te livre tèt li avèk kouraj bay moun ki te ènmi Bondye yo, ki te touye l fason ki pi di e ki pi imilyan ki te ka genyen an. Malgre Jezi te anba strès, malgre li t ap soufri, li te fè volonte Bondye avèk imilite. Pa gen dout nan sa, nou ka di Jezi se pi bèl egzanp kote yon moun te demontre imilite pandan l anba strès! — Eza. 53:10. w19.02 11 § 14-15.
Lendi 6 jiyè
Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon. — Ebre 10:24.
Nou ka bezwen aji avèk kouraj pou nou toujou asiste reyinyon yo menm lè nou nan sitiyasyon ki difisil. Gen kèk nan frè ak sè nou yo ki asiste reyinyon yo malgre yo nan gwo lapenn, yo dekouraje anpil oswa yo gen pwoblèm sante. Gen lòt ki met kouraj sou yo pou yo asiste reyinyon yo malgre yo jwenn gwo opozisyon nan fanmi yo oswa nan men gouvènman yo. Pran yon ti tan pou w reflechi sou fason egzanp nou ankouraje frè nou yo ki nan prizon poutèt lafwa yo (Ebre 13:3). Lè yo tande nou kontinye sèvi Jewova malgre pwoblèm nou jwenn yo, sa fè lafwa yo vin pi djanm e sa ba yo fòs pou yo kontinye met kouraj sou yo e pou yo kenbe fidelite yo. Lè yo te mete Pòl nan prizon nan vil Wòm, li te kontan chak fwa li aprann frè l yo rete fidèl ak Bondye (Flp. 1:3-5, 12-14). Yon ti tan anvan oswa tousuit apre Pòl te fin libere, li te ekri lèt li a pou kretyen ebre yo. Nan lèt sa a, li te ankouraje kretyen fidèl sa yo pou yo pa janm abandone reyinyon yo. — Ebre 10:25. w19.01 28 § 9.
Madi 7 jiyè
Lemonnantye anba pouvwa Mechan an. — 1 Jan 5:19.
Satan vle nou vin menm jan avè l, pou n se yon rebèl ki pa bay prensip Jewova yo regle anyen pou nou e ki wè tèt nou sèlman. Li antoure nou ak moun li deja kòwonp e li espere y ap kòwonp fason nou panse ak fason nou aji (1 Kor. 15:33). Satan ap eseye kontamine kè nou tou lè l fè nou met konfyans nou nan sa lèzòm di olye nou met konfyans nou nan sa Jewova panse (Kol. 2:8). Ann jis pran youn nan ide Satan ap fè pwopagann pou li: prensipal objektif yon moun ta dwe gen nan lavi a se vin rich. Moun ki panse konsa ka vin rich, konsa tou yo ka pa vin rich. Kit sa rive, kit sa pa rive, gen danje ki pandye sou tèt yo. Poukisa? Se paske yo ka vin tèlman konsantre sou fè lajan, sa fè yo sakrifye sante yo, relasyon yo ak fanmi yo e menm amitye yo ak Bondye jis pou yo ka atenn objektif yo genyen an (1 Tim. 6:10). Se pa ti kontan nou kontan dèske Papa nou ki nan syèl la ki gen anpil sajès ede nou gen yon pwennvi ekilibre sou lajan! — Ekl. 7:12; Lik 12:15. w19.01 15 § 6; 17 § 9.
Mèkredi 8 jiyè
Trè byen, ou se yon bon esklav e ou fidèl! Ou te fidèl nan kèk bagay mwen te konfye w, m ap mete w responsab anpil bagay. Vin rejwi ak mèt ou. — Mat. 25:21.
Menm anvan Pitit Gason Jewova a te vin sou tè a e l te bay yon egzanp ki pafè sou fason pou n ankouraje moun, sèvitè fidèl Jewova yo te konnen yo bezwen bay ankourajman. Lè moun Asiri yo t ap menase Ezekyas, li te rasanble chèf ki nan lame yo ak moun Jida yo pou l ankouraje yo. “Pawòl [li] te di moun yo te ba yo fòs.” (2 Kwo. 32:6-8). Aktout Jòb te bezwen moun konsole l, li te bay twa mesye ki te fè l “soufri plis” yo yon leson sou kesyon bay ankourajman an. Li te di yo si l te nan plas yo li ‘t ap konsole yo pito ak pawòl ki sot nan bouch li, e pawòl li t ap di pou l konsole yo t ap soulaje yo’. (Jòb 16:1-5.) Finalman, Jòb te jwenn ankourajman nan men Eliyou ak Jewova. — Jòb 33:24, 25; 36:1, 11; 42:7, 10. w18.04 16 § 6; 17 § 8-9.
Jedi 9 jiyè
M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. — Eza. 41:10.
Ezayi te deja esplike ki jan Jewova t ap bay pèp li a fòs. Li te di: “Jewova [...] ap vini avèk pisans. Li pral dirije avèk men l.” (Eza. 40:10). Souvan Bib la sèvi ak mo “men” an nan yon sans senbolik e li vle di pouvwa. Donk, lè vèsè a di Jewova “pral dirije avèk men l”, sa fè nou sonje Jewova se yon wa ki pisan. Li te itilize fòs san parèy li genyen an pou l ede sèvitè l yo nan tan lontan e pou l defann yo, e jodi a li kontinye bay moun ki met konfyans nan li yo fòs e li pwoteje yo (Det. 1:30, 31; Eza. 43:10, nòt). Jewova kenbe pwomès kote li di nou “m ap ba w fòs” la, sitou nan moman ènmi yo ap pèsekite nou. Jodi a, gen kèk kote nan monn nan kote ènmi nou yo ap fè tout sa yo kapab pou yo bloke travay predikasyon an oswa entèdi aktivite òganizasyon nou an. Menm lè sa, atak sa yo pa fè nou panike. Jewova ban nou yon garanti ki fè nou gen fòs ak asirans. Men ki pwomès li fè nou: “Nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen.” — Eza. 54:17. w19.01 5-6 § 12-13.
Vandredi 10 jiyè
Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye. — Mat. 5:3.
Kontrèman ak bèt yo, ou santi w bezwen vin pwòch ak Bondye, e se sèl Kreyatè w la ki ka ede w fè sa (Mat. 4:4). Lè w koute l avèk rekonesans, ou vin gen bon konprann, sajès ak kè kontan. Bondye ede w vin pi pwòch avè l pa mwayen Pawòl li a ak yon pakèt piblikasyon li ba w pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Se pa ti bon tout piblikasyon sa yo bon pou nou (Eza. 65:13, 14)! Konesans ki soti nan Bondye a ap fè w vin gen sajès e l ap aprann ou reflechi. Sa ap pwoteje w divès fason (Pwo. 2:10-14). Pa egzanp, kalite sa yo ap ede w pou w pa pran nan fo ansèyman, tankou ansèyman ki fè konnen pa gen yon Kreyatè. Grasa yo, ou pap pran nan yon seri manti ki fè kwè pou w gen kè kontan fò w gen lajan ak anpil byen. Mete sou sa, yo ede w rekonèt move dezi yo ak konpòtman k ap mennen w nan malè e pou w lite pou w pa tonbe ladan yo. Donk, kontinye chèche gen sajès ki soti nan Bondye a e kontinye aprann reflechi, konsidere yo tankou trezò! w18.12 20 § 6-7.
Samdi 11 jiyè
Pèp mwen an ap viv anpil tan menm jan ak yon pyebwa. — Eza. 65:22.
Èske ap gen yon epòk kote nou pral “viv anpil tan menm jan ak yon pyebwa”? Gen kèk pyebwa ki viv plizyè milye ane. Lèzòm ap bezwen gen bon sante pou yo ka viv tout tan sa a. Si yo ta rive viv nan kondisyon Ezayi te anonse a, ebyen se t ap yon rèv ki t ap vin yon reyalite, se t ap yon paradi! E pwofesi sa a pral reyalize! Fè yon ti reflechi sou jan pwomès yo montre ap gen yon paradi alavni: Moun sou tout tè a pral jwenn benediksyon Bondye. Ni bèt ni moun ki sovaj tankou bèt pap reprezante yon danje pou pèsonn. Moun ki avèg, moun ki soud ak moun ki andikape yo pral geri. Moun pral kapab bati pwòp kay yo e yo pral kontan fè jaden ki bay bon manje. Yo pral viv pi lontan pase pyebwa. Vrèmanvre, nou jwenn bonjan prèv nan Bib la ki montre bagay sa yo gen pou fèt alavni. Malgre sa, gen kèk moun ki gendwa fè konprann pwofesi sa yo pa vrèman ap pale sou yon paradi ki pral gen sou tè a. Ki bonjan rezon w genyen ki fè w kwè pral gen yon paradi sou tè a? Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a bay yon bon rezon. — Lik 23:43. w18.12 5 § 13-15.
Dimanch 12 jiyè
Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon. — Wom. 12:2.
Panse nou fasil pou chanje e li ka kontinye chanje. Nan yon sans ki laj, sa nou kite antre nan lespri n ak sa n chwazi reflechi sou yo ap detèmine chanjman k ap fèt yo. Lè n reflechi oswa n medite sou fason Jewova panse, n ap pwouve tèt nou pwennvi l yo kòrèk. Konsa, tou natirèlman n ap anvi fè panse n vin ann amoni ak panse Jewova. Sepandan, n ap remake pou n bay lespri n yon lòt direksyon pou l ka panse menm jan ak Jewova, nou bezwen “sispann konfòme nou ak sistèm sa a”. Nou dwe sispann nouri tèt nou ak panse oswa ak pwennvi ki opoze ak panse Bondye. Pou montre n jan premye etap sa a enpòtan, ann pran egzanp manje. Yon moun ka ap chèche amelyore sante l lè l manje manje ki gen bonjan vitamin. Men, ki enpòtans sa t ap genyen si moun sa a toujou ap manje manje ki kontamine? Menm jan an tou, sa pap gen anpil enpòtans pou n nouri tèt nou ak panse Jewova si n ap kòwonp lespri nou ak panse monn nan. w18.11 21 § 14-15.
Lendi 13 jiyè
Kenbe fèm, epi mare laverite nan ren nou tankou se yon sentiwon. — Efe. 6:14.
Se pou n pran bonjan detèminasyon pou n viv ann amoni ak laverite chak jou. Mare laverite nan ren nou tankou yon sentiwon. Nan tan biblik yo, sentiwon sòlda yo te konn mete yo te kenbe senti yo fèm e l te pwoteje yo ak ògàn ki pa anndan yo. Sepandan, pou sentiwon an te pwoteje sòlda a, sòlda a te dwe mare l sere. Yon sentiwon ki pa t mare sere pa t ap kenbe l fèm. Lè n mare laverite nan ren nou tankou yon sentiwon, ki jan sa pwoteje n nan domèn espirityèl? Si n mare laverite byen sere nan ren nou tankou yon sentiwon, l ap pwoteje n kont fo rezònman e l ap ede n pran bon desizyon. Lè n jwenn tantasyon oswa eprèv, verite ki nan Bib la ap fè n gen plis detèminasyon pou n fè sa k dwat. Menm jan yon sòlda pap janm panse al nan batay san sentiwon, menm jan an tou nou dwe detèmine pou n pa janm desere oswa retire sentiwon nou an ki se laverite. Okontrè, nou fè tout sa n kapab pou n mare sentiwon nou sere nan ren nou lè n viv ann amoni ak laverite. w18.11 12 § 15.
Madi 14 jiyè
Achte laverite e pinga w janm vann li. — Pwo. 23:23.
Nou pa ka jwenn verite ki nan Pawòl Bondye a san n pa fè efò. Nou dwe dispoze fè kèlkeswa sakrifis ki nesesè pou n jwenn li. Jan moun ki te ekri nan liv Pwovèb la fè konn sa, yonfwa n fin “achte laverite”, sa vle di nou vin genyen l, nou dwe fè atansyon pou n pa “vann” li, sa vle di pou n pa pèdi l. Menm yon bagay ki gratis ka koute yon bagay. Mo ebre lè yo tradui l yo met “achte” pou li nan Pwovèb 23:23 a ka vle di “chèche genyen” tou. Ni mo a ni ekspresyon an mande pou n fè yon efò oswa pou n boukante yon bagay pou yon lòt bagay ki gen valè. Ann pran yon egzanp pou n esplike ide achte laverite a. Ann di y ap bay “bannann gratis” nan yon mache. Èske bannann sa yo t ap annik rete konsa yo parèt sou tab lakay nou? Non. Nou dwe fè efò pou n al nan mache a pou n ka jwenn bannann yo. Èske bannann yo gratis vre? Wi, men, nou dwe fè efò e n dwe pran tan pou n al nan mache a. Menm jan an tou, nou pa bezwen lajan pou n achte laverite. Sepandan, nou dwe fè efò pou n genyen l. w18.11 4 § 4-5.
Mèkredi 15 jiyè
Figi l vin klere tankou solèy la, e rad sou li vin ap briye tankou limyè. — Mat. 17:2.
Jezi te envite Pyè, Jak ak Jan pou y al avè l sou yon mòn byen wo. Pandan yo sou mòn nan, yo te wè yon vizyon estrawòdinè. Figi Jezi te briye e rad li te klere. Gen de moun, ki te reprezante Moyiz ak Eli, ki te kòmanse pale ak Jezi sou lanmò l ak rezirèksyon l (Lik 9:29-32). Annapre, gen yon nyaj klere ki te kouvri yo e yo te tande yon vwa nan nyaj la, se te vwa Bondye! Vizyon sa a te bay yon apèsi sou glwa ak pouvwa Jezi t apral genyen antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Pa gen dout, Bondye te ankouraje Kris e li te ba l fòs pou soufrans ak lanmò terib li t apral gen pou l sibi yo. Vizyon sa a te fòtifye lafwa disip yo tou e l te prepare yo pou yo fè fas ak eprèv fidelite yo t apral sibi e pou yo travay di pandan ane ki t ap vini yo. Anviwon 30 an apre sa, apot Pyè te pale sou vizyon sa a. Li te montre vizyon an toujou byen klè nan lespri l. — 2 Pyè 1:16-18. w19.03 10 § 7-8.
Jedi 16 jiyè
Nou rekòmande tèt nou kòm sèvitè Bondye, [...] nan pale sa k verite. — 2 Kor. 6:4, 7.
Ki youn nan fason vrè kretyen yo montre yo pa menm ak moun ki nan fo relijyon yo? Se lè n ‘di laverite’. (Zak. 8:16, 17.) N ap di laverite nan tout domèn, gwo kou piti, kit se lè n ap pale ak moun ki etranje, kòlèg travay nou, zanmi nou oswa moun nou renmen. E si w se yon jèn ki vle pou lòt jèn parèy ou aksepte w? Veye pou w pa janm mennen yon vi doub, pou w ap montre w ap mennen yon vi pwòp lè w ansanm ak fanmi w ak lè w nan kongregasyon an, men, ou se yon lòt moun nèt lè w ansanm ak lòt jèn nan monn nan ak lè w sou rezo sosyal. Sa se ap viv nan manti, lè w chèche twonpe paran w, adoratè parèy ou ak Bondye (Sòm 26:4, 5). Jewova konnen lè se sèlman ‘nan bouch n ap onore l, men kè n byen lwen l’. (Mak 7:6.) Li t ap pi bon lontan pou n ta fè sa ki di nan pwovèb la: “Pinga w anvye sò moun k ap fè peche yo nan kè w, men, se pou w gen lakrentif pou Jewova tout lajounen.” — Pwo. 23:17. w18.10 9 § 14-15.
Vandredi 17 jiyè
Bondye se lanmou, e yon moun ki rete nan lanmou rete ann inyon avèk Bondye, e Bondye rete ann inyon avèk li. — 1 Jan 4:16.
Pèp Bondye a fòme yon fanmi nan domèn espirityèl, yon fanmi ki gen lanmou youn pou lòt (1 Jan 4:21). An jeneral, lanmou sa a pa parèt nan yon seri gwo aksyon moun pa wè fasil, men, li parèt nan yon seri ti bagay sanzenpòtans nou pa ka konte, tankou kèk pawòl byen reflechi ak kèk aksyon ki demontre bonte. Lè n trete lòt moun avèk bonte ak konsiderasyon, nou montre n ap “imite Bondye, antanke pitit li renmen”. (Efe. 5:1.) Jezi te imite Papa l yon fason ki pafè. Men sa l te di: “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs [...], paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” (Mat. 11:28, 29). Lè n suiv egzanp Kris nan fason n “pran ka moun ki ba yo”, Papa nou ki nan syèl la ap fè n favè e n ap gen anpil kè kontan (Sòm 41:1). Donk, ann demontre lanmou nou genyen lè n kontinye montre konsiderasyon pou moun nan fanmi nou, nan kongregasyon an ak nan travay predikasyon an. w18.09 28 § 1-2.
Samdi 18 jiyè
Nou se konpayon travay Bondye. — 1 Kor. 3:9.
Lè gen yon katastwòf, pèp Bondye a gen okazyon pou l travay ak Bondye nan bay frè ak sè yo kèk èd pratik. Pa egzanp, yo bay moun ki viktim yo èd nan domèn ekonomik (Jan 13:34, 35; Tra. 11:27-30). Yon lòt fason pratik yo fè sa se lè yo ede nan fè netwayaj ak rekonstriksyon. Gabriela, yon sè ki moun peyi Polòy e ki te gen kay li ki prèske fin kraze akoz yon inondasyon, te vrèman kontan lè frè ki sot nan yon kongregasyon toupre a te vin ede l. Men sa l di: “M pa vle pale konsènan sa m te pèdi yo, se jis kèk bagay materyèl. Olye de sa, m vle di nou ki kantite bagay mwen vin genyen. Eksperyans sa a fè m vin gen plis asirans se yon privilèj san parèy pou m fè pati kongregasyon an e sa fè m gen anpil kè kontan.” Anpil moun ki te jwenn èd apre yon katastwòf fè konnen eksperyans sa a fè yo santi yo vin gen plis kè kontan. Epitou, moun k ap travay ak Jewova nan bay èd sa yo jwenn anpil satisfaksyon. — Tra. 20:35; 2 Kor. 9:6, 7. w18.08 26 § 12.
Dimanch 19 jiyè
Pwoteje kè w. — Pwo. 4:23.
Si nou vle pwoteje kè nou, nou dwe idantifye danje yo epi aji byen vit. Mo lè yo tradui l yo mete “pwoteje” pou li a fè nou sonje travay moun k ap fè pòs yo te konn fè. Nan epòk wa Salomon an, moun k ap fè pòs yo te konn kanpe sou miray yon vil pou yo veye e yo te konn sonnen kòn lè yo wè danje. Lè nou gen sa nan lespri nou, sa ede nou konprann sa n dwe fè pou anpeche Satan kòwonp panse nou. Nan tan lontan, moun k ap fè pòs yo te konn travay ann amoni ak moun ki te konn veye pòtay vil la (2 Sam. 18:24-26). Yo toude te konn travay ansanm pou pwoteje vil la lè yo asire yo pòt yo fèmen depi ènmi yo ap pwoche (Ney. 7:1-3). Konsyans nou ki fòme grasa Labib ka aji tankou yon moun k ap fè pòs, li ka avèti nou lè Satan ap eseye anvayi kè nou, sa vle di lè l ap eseye enfliyanse panse nou, santiman nou, mobil nou ak dezi nou. Depi konsyans nou ban nou siyal, nou bezwen koute l, e nan yon sans nou bezwen fèmen pòtay yo lè nou fè tout sa n kapab pou evite danje a. w19.01 17 § 10-11.
Lendi 20 jiyè
Yo mèt sèvi kòm sèvitè ministeryèl, depi yo pa gen akizasyon sou do yo. — 1 Tim. 3:10.
Yo pa dwe jije jèn gason yo selon pwennvi ki pèsonèl oswa ki baze sou kilti, men yo dwe fè sa sou baz prensip ki nan Pawòl Bondye a (2 Tim. 3:16, 17). Pwennvi ki baze sou kilti men ki pa ann amoni ak Bib la ka anpeche yo nome frè ki kalifye yo. Nan yon peyi, gen yon sèvitè ministeryèl ki byen kalifye yo konfye anpil responsablite. Byenke ansyen yo nan kongregasyon sa a dakò jèn frè a ranpli kondisyon Ekriti yo bay pou l vin ansyen nan yon mezi ki rezonab, yo pa t rekòmande frè a. Gen kèk ansyen ki granmoun ki te fè konnen pandan plizyè fwa frè a parèt twò jèn pou l ansyen. Malerezman, yo pa t rekòmande frè a senpleman akoz aparans li. Rapò yo montre gen anpil moun ki panse konsa nan lemonnantye. Li enpòtan anpil pou n konte sou Ekriti yo olye n konte sou pwennvi ki baze sou gou pèsonèl nou! Se sèl fason sa a nou ka obeyi Jezi e n ka sispann jije sou aparans. — Jan 7:24. w18.08 12 § 16-17.
Madi 21 jiyè
Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt, e se yon imilyasyon pou li. — Pwo. 18:13.
Gen yon danje lè yon moun kouri voye yon imel oswa yon mesaj tèks li te resevwa bay lòt moun. Nan kèk peyi, yo met restriksyon sou travay nou an oswa yo entèdi l nèt. Nan peyi sa yo, opozan yo ka chwazi gaye yon seri nouvèl pou fè moun pè oswa pou fè n gen dout youn sou lòt. Fè yon ti reflechi sou sa k te rive nan ansyen Inyon sovyetik la. Polis sekrè ki rele KGB a te gaye yon rimè ki fè konnen gen plizyè frè moun byen konnen ki te trayi pèp Jewova a. Anpil moun te kwè rimè sa yo, e kòm konsekans, yo te kite òganizasyon Jewova a. Ala tris sa tris! Erezman, gen anpil nan yo ki tounen annapre, men gen kèk ki pa janm tounen. Lafwa yo te fè nofraj (1 Tim. 1:19). Ki jan n ka evite yon konsekans terib konsa? Se lè n refize simaye move nouvèl oswa enfòmasyon moun pa konfime. Pinga n ni kwè ni vale tout sa moun di. Asire n nou gen tout enfòmasyon yo. w18.08 4 § 8.
Mèkredi 22 jiyè
Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avè m nan Paradi a. — Lik 23:43.
Nan premye maniskri grèk yo, yo pa t konn toujou sèvi ak siy ponktiyasyon. Donk, nou ka ap mande tèt nou: Èske Jezi te vle di, “Mwen pwomèt ou: Jodi a w ap avè m nan Paradi a”? Oswa èske li te vle di, “Mwen pwomèt ou jodi a: W ap avè m nan Paradi a”? Sonje sa Jezi te di disip li yo anvan sa: “Pitit lòm nan ap fè twa jou twa nuit nan vant tè a.” (Mat. 12:40; 16:21; 17:22, 23; Mak 10:34; Tra. 10:39, 40). Donk, Jezi pa t al nan okenn Paradi jou ni li menm ni bandi an te mouri a. Jezi te “nan Tonm [oswa “Adès”]” pandan kèk jou jiskaske Bondye te resisite l (Tra. 2:31, 32; nòt). Bandi ki t apral mouri a pa t konnen Jezi te fè yon alyans ak apot fidèl li yo pou y al dirije avè l nan Wayòm nan ki nan syèl la (Lik 22:29). Epitou, bandi a pa t menm batize (Jan 3:3-6, 12). Donk, pwomès Jezi te fè l la dwe gen rapò ak yon paradi sou tè a ki te dwe reyalize alavni. w18.12 6 § 17-18, 20-21.
Jedi 23 jiyè
Fè yon dye pou dirije nou, paske, kanta pou nonm yo rele Moyiz la, [...] nou pa konn sa k rive l. — Egz. 32:1.
Byen vit, Izrayelit yo te vin ap adore yon ti bèf annò! Malgre Izrayelit yo te dezobeyi Jewova yon fason klè, yo te twonpe tèt yo lè yo te panse yo toujou pran pozisyon pou Jewova. Anfèt, Arawon te menm di adorasyon yo t ap bay ti bèf la se te “yon fèt pou Jewova”! Ki jan Jewova te reyaji? Li te santi yo trayi l. Jewova te fè Moyiz konnen pèp la “ap mal aji” e yo “dezobeyi lòd [Li] te ba yo a”. Piske Jewova te “fache anpil”, li te menm anvi detwi nasyon Izrayèl la ki te fèk fòme (Egz. 32:5-10). Men, Jewova pa t deside detwi Izrayelit yo (Egz. 32:14). Byenke Arawon te patisipe nan fè zidòl la okòmansman, li te vin repanti e li menm ak rès Levit yo ki fè konnen yo te pran pozisyon pou Jewova. Byenke gen plizyè milye moun ki te mouri akoz yo te lage kò yo nan idolatri, Jewova te pwomèt l ap beni moun ki te pran pozisyon pou li yo. — Egz. 32:26-29. w18.07 20 § 13-16.
Vandredi 24 jiyè
Veye kò nou ak espè nan Lalwa yo [...] ki renmen pou moun salye yo sou plas piblik, [...] ak pi bèl plas nan gwo resepsyon yo. — Lik 20:46.
Ki apwobasyon ki gen plis valè nou ka fè tout sa n kapab pou n jwenn? Se pa kalite atansyon moun ap chèche jwenn nan lekòl, nan biznis ak nan distraksyon ki gen nan monn sa a. Olye de sa, se kalite apwobasyon Pòl te dekri nan pawòl ki vin annapre yo: “Kòm kounye a nou vin aprann konnen Bondye, oubyen pito, kòm kounye a Bondye vin konnen nou, kòman nou fè retounen nan bagay timoun piti sa yo ankò, bagay ki pa itil e ki san valè, e kòman nou fè vle rekòmanse travay pou yo kòm esklav?” (Gal. 4:9). Ala yon bèl privilèj sa ye pou “Bondye vin konnen nou”, li menm ki se pi gran Dirijan nan linivè a! Li vle gen yon relasyon sere avè n. Jan yon biblis fè konn sa, nou “vin moun li bay yon apwobasyon espesyal”. Lè Jewova aksepte n kòm zanmi l, nou rive atenn objektif prensipal ki fè n egziste a. — Ekl. 12:13, 14; w18.07 8 § 3-4.
Samdi 25 jiyè
Mwen reflechi sou rapèl ou yo. — Sòm 119:99.
Pou n jwenn byenfè nan lwa Bondye yo, nou dwe gen anpil lanmou ak respè pou yo (Amòs 5:15). Men, ki jan n ka rive fè sa? Yon bagay enpòtan nou dwe fè se aprann wè bagay yo jan Jewova wè yo. Ann pran yon egzanp pou n esplike sa: Imajine w gen difikilte pou w dòmi byen. Doktè w mande w pou w suiv yon rejim, pou w fè spò e pou w chanje fason w ap viv. Apre w fin eseye fè sa l di w la, ou wè sa mache! Se sèten w ap gen anpil rekonesans pou doktè w la ki ede w amelyore kalite lavi w. Menm jan an tou, Kreyatè nou an ban nou yon seri lwa ki ka pwoteje n kont move efè peche genyen, e konsa, n ap amelyore lavi nou. Fè yon ti reflechi sou byenfè nou jwenn lè n suiv lwa Bib la bay konsènan manti, konplo, vòlè, imoralite seksyèl, vyolans ak bagay ki gen rapò ak movèzespri (Pwo. 6:16-19; Rev. 21:8). Lè n wè pakèt benediksyon nou jwenn paske n aji jan Jewova vle l la, se tou natirèlman n ap vin gen plis lanmou ak rekonesans nan kè n pou li e pou lwa l yo. w18.06 17 § 5-6.
Dimanch 26 jiyè
Èske w se Wa Juif yo? — Jan 18:33.
Petèt gouvènè a te pè pou Jezi pa t pouse moun yo fè manifestasyon politik, ki se pi gwo enkyetid Pilat te genyen pandan tout tan l te fè ap dirije a. Jezi te reponn: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” (Jan 18:36). Li pa t ap antre nan politik, paske se nan syèl la Wayòm li an t ap ye. Li te di Pilat travay li sou tè a se “bay temwayaj sou laverite”. (Jan 18:37.) Lè n byen konprann wòl nou menm jan ak Jezi, menm nan kè nou n ap evite soutni nenpòt mouvman politik moun ap fè pou yo jwenn endepandans. Sa ka pa fasil. Gen yon siveyan itineran ki di: “Moun nan zòn nou an vin pi ekstremis toujou. Gen yon espri nasyonalis ki fò lakay yo, e anpil nan yo ret kwè lavi yo ap amelyore si yo pran endepandans yo nan domèn politik. Erezman frè yo kontinye pwoteje inite yo genyen antanke kretyen an lè yo ret konsantre nan preche bon nouvèl Wayòm nan. Yo konte sou Bondye pou l met fen nan enjistis ak lòt pwoblèm n ap rankontre yo.” w18.06 4-5 § 6-7.
Lendi 27 jiyè
Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. — Jak 4:7.
Se sèlman twa nan Liv ki te ekri ann ebre yo ki site non Satan ki vle di “Opozan”, e liv sa yo se 1 Kwonik, Jòb ak Zakari. Poukisa se yon tikras enfòmasyon yo te bay sou ènmi nou an anvan Mesi a te parèt? Sanble se paske Jewova pa t vle bay Satan twòp enpòtans ki fè l pa rezève yon gwo pati nan Liv ki te ekri ann ebre yo pou l pale de Satan ak sa Satan ap fè. Prensipal rezon ki fè Jewova te pouse kèk moun ekri pati sa a ki nan Ekriti yo se te pou idantifye Mesi a epi pou mennen pèp Bondye a bay Mesi a (Lik 24:44; Gal. 3:24). Lè sa te akonpli epi Mesi a te vin parèt, Jewova te sèvi avè l ansanm ak disip li yo pou l bay pifò enfòmasyon nou konnen sou Satan ak zanj ki te suiv li yo. Se nòmal, piske se ak Jezi ansanm ak moun ki pral dirije ak Jezi yo Jewova pral sèvi pou kraze Satan ak moun k ap suiv Satan yo (Wom. 16:20; Rev. 17:14; 20:10). Sonje, pisans Dyab la gen limit. Jewova ak Jezi ansanm ak zanj ki fidèl yo ap soutni nou. Grasa èd yo, nou ka reziste kont ènmi nou an. w18.05 22-23 § 2-4.
Madi 28 jiyè
Li retire kèlkeswa branch nan mwen ki pa bay fwi. — Jan 15:2.
Se sèlman si nou bay fwi Jewova ap konsidere nou antanke sèvitè l (Mat. 13:23; 21:43). Se sa k fè, nan egzanp nou jwenn nan Jan 15:1-5 lan, fwi chak kretyen dwe bay la pa ka fè referans ak nouvo disip nou gendwa gen privilèj pou n fè yo (Mat. 28:19). Si se ta sa, Temwen fidèl ki pa rive fè disip akoz y ap preche nan yon tèritwa kote moun yo pa enterese t ap tankou branch ki pa bay fwi nan egzanp Jezi a. Sepandan, nou pa ka panse yon bagay konsa! Poukisa? Se paske n pa ka fòse pèsonn vin disip. Sa t ap kontrè ak fason Jewova aji ak lanmou si l ta diskalifye sèvitè l yo paske yo pa rive fè yon bagay yo pa kapab fè. Kèlkeswa sa Jewova mande n se bagay ki toujou posib pou n fè (Det. 30:11-14). Kounye a, ki fwi nou dwe bay la? Sa klè, fwi a dwe fè referans ak yon aktivite nou chak ka patisipe ladan l. Ki aktivite? Se lè n preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. — Mat. 24:14. w18.05 14 § 8-9.
Mèkredi 29 jiyè
Nou menm, nou soti nan papa nou, Dyab la, [...] li se yon mantè e li se papa manti. — Jan 8:44.
Kit yo rele yo pastè, pè, raben, oswa lòt tit yo ba yo, gen anpil chèf relijye nan monn nan jodi a. Menm jan ak chèf relijye yo nan premye syèk la, yo “toufe laverite” ki soti nan Pawòl Bondye a e yo “boukante laverite sou Bondye pou manti”. (Wom. 1:18, 25.) Yo gaye yon seri fo ansèyman tankou “sove, sove nèt”, nanm imòtèl, reyenkanasyon, vye ide ki fè kwè Bondye aksepte moun k ap mennen vi omoseksyèl ansanm ak maryaj ant moun ki gen menm sèks. Politisyen yo sèvi ak manti pou yo twonpe moun. Youn nan pi gwo manti moun gen pou tande yo bay se lè lèzòm pral fè konnen yo reyisi met “lapè [ak] sekirite”. Men, “lè sa a, yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann”. Pinga nou kite yo twonpe n lè y ap eseye fè n kwè sistèm sa a pap kraze vre! Anfèt, nou “konn sa byen: jou Jewova a ap vini egzakteman tankou yon vòlè ki vin vòlè lannuit”. — 1 Tes. 5:1-4. w18.10 7-8 § 6-8.
Jedi 30 jiyè
[Se] pou nou ede moun ki fèb yo, e nou dwe sonje pawòl Seyè Jezi yo, li menm ki te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. — Tra. 20:35.
Jezi Kris bay moun ki tris ak moun ki dekouraje nan epòk sa a ankourajman ak konsèy yo bezwen pa mwayen frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl ansanm ak “prens” ki fè pati lòt mouton yo k ap soutni yo. Se konsa sa dwe ye, paske ansyen yo pa “domine” sou lafwa lòt moun, men, yo “se konpayon travay” frè yo pou yo ka gen lajwa. (Eza. 32:1, 2; 2 Kor. 1:24). Apot Pòl kite yon egzanp pou n imite. Men sa l te ekri kretyen nan vil Tesalonik yo ki te jwenn pèsekisyon: “Piske nou gen anpil afeksyon pou nou, nou te byen deside pou nou ban nou nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou bay lavi nou pou nou ka ede nou, paske nou te vin tèlman renmen nou.” (1 Tes. 2:8). Pou Pòl te montre yon senp pawòl ankourajan pa toujou sifi, li te di ansyen nan vil Efèz yo pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. w18.04 21-22 § 6-8.
Vandredi 31 jiyè
Jewova se Lespri a. Kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète. — 2 Kor. 3:17.
Pou n gen libète sa a e pou n jwenn byenfè ladan l, nou dwe “vin jwenn Jewova”, sa vle di vin gen yon relasyon pèsonèl avè l (2 Kor. 3:16). Izrayelit ki te nan dezè a pa t wè fason Jewova te aji avèk yo a nan yon sans espirityèl. Se kòmsi yo te vwale kè yo ak lespri yo, yo te fè yo vin di, tout sa k te nan tèt yo se sèvi ak libète yo te vin genyen lè yo te libere anba men Ejip la yon fason fizik oswa pou satisfè dezi lachè yo (Ebre 3:8-10). Sepandan, libète ki mache ak lespri Jewova a vle di plis pase annik libere anba esklavaj fizik. Plis pase kèlkeswa bagay efò lèzòm fè yo ka reyalize, lespri Jewova libere n anba esklavaj peche ak lanmò e l libere n anba esklavaj fo adorasyon ak pratik ki gen ladan l (Wom. 6:23; 8:2). Ala yon bèl libète! Yon moun ka jwi byenfè libète sa a pote menmsi l nan prizon oswa l nan esklavaj. — Jen. 39:20-23. w18.04 9 § 3-5.