BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es20 p. 78-88
  • Out

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Out
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2020
  • Soutit
  • Samdi 1ye out
  • Dimanch 2 out
  • Lendi 3 out
  • Madi 4 out
  • Mèkredi 5 out
  • Jedi 6 out
  • Vandredi 7 out
  • Samdi 8 out
  • Dimanch 9 out
  • Lendi 10 out
  • Madi 11 out
  • Mèkredi 12 out
  • Jedi 13 out
  • Vandredi 14 out
  • Samdi 15 out
  • Dimanch 16 out
  • Lendi 17 out
  • Madi 18 out
  • Mèkredi 19 out
  • Jedi 20 out
  • Vandredi 21 out
  • Samdi 22 out
  • Dimanch 23 out
  • Lendi 24 out
  • Madi 25 out
  • Mèkredi 26 out
  • Jedi 27 out
  • Vandredi 28 out
  • Samdi 29 out
  • Dimanch 30 out
  • Lendi 31 out
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2020
es20 p. 78-88

Out

Samdi 1ye out

Men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou. — Wom. 5:8.

Nan reyinyon yo, se toutan y ap fè nou sonje sa Jewova ak Jezi te fè pou nou. Rekonesans nou genyen pouse nou imite Jezi nan fason n ap viv chak jou (2 Kor. 5:14, 15). Mete sou sa, kè nou pouse nou louwe Jewova pou ranson an. Youn nan fason nou ka fè louwanj pou li se lè nou fè kòmantè ak tout kè nou nan reyinyon yo. Nou ka montre nou gen anpil lanmou pou Jewova ak Pitit Gason l lan lè nou dispoze fè sakrifis pou yo. Byen souvan, nou dwe dispoze fè kèlkeswa sakrifis la pou nou ka asiste reyinyon yo. Anpil kongregasyon fè youn nan reyinyon yo nan fen jounen travay, lè petèt nou fatige. E gen yon lòt reyinyon ki fèt nan wikenn, kote gen moun ki konn ap repoze. Èske Jewova wè lè nou asiste reyinyon yo malgre nou fatige? Se sèten li wè sa! Anfèt, plis nou lite pou n pa rate reyinyon yo, se plis lanmou nou demontre a gen valè nan je Jewova. — Mak 12:41-44. w19.01 29 § 12-13.

Dimanch 2 out

Lè Seyè a wè dam nan, kè l fè l mal pou li. — Lik 7:13.

Jezi te gen kèk nan difikilte moun yo te genyen yo. Pa egzanp, sanble Jezi te grandi nan yon fanmi ki pa t gen gwo mwayen. Jezi te travay ak Jozèf, papa adoptif li, konsa li te aprann fason pou l travay di (Mat. 13:55; Mak 6:3). Petèt Jozèf te gentan mouri yon ti tan anvan Jezi te kòmanse sèvis li. Donk, sandout Jezi te santi jan yon moun ap soufri lè l gen moun pa l ki mouri. E Jezi te konnen ki jan sa ye nan yon fanmi kote moun yo pa gen menm pwennvi sou kesyon relijyon (Jan 7:5). Sitiyasyon sa yo ak lòt ankò te ka ede Jezi konprann difikilte ak santiman moun yo te genyen. Moun te ka wè Jezi gen konsiderasyon pou lòt moun lè l t ap fè mirak. Jezi pa t fè mirak yo san okenn santiman. “Kè l [te] fè l mal” pou moun ki t ap soufri yo (Mat. 20:29-34; Mak 1:40-42). Jezi te gen pitye pou moun yo e l te vle ede yo. — Mak 7:32-35; Lik 7:12-15. w19.03 16 § 10-11.

Lendi 3 out

Se pou youn kontinye sipòte lòt. — Kol. 3:13.

Imajine jan Jezi te santi l strese nan dènye nuit li t ap pase sou tè a. Si l pa t rete fidèl, pa gen youn nan plizyè milya moun ki sou tè a ki t ap gen espwa pou yo gen lavi (Wom. 5:18, 19). Sa k pi enpòtan an sèke fason l aji t ap gen efè sou repitasyon Papa l (Jòb 2:4). Epi, dènye fwa li t ap manje ak apot li yo, konvèsasyon yo t ap fè te vin tounen “yon gwo diskisyon” paske yo te vle “konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan”. Sa ki estrawòdinè sèke Jezi pa t fache. Okontrè, li te aji avèk dousè. Yon lòt fwa ankò, Jezi te montre l janti, men l te fèm tou, lè l t ap esplike yo ki atitid yo ta dwe genyen. Apre sa, li te felisite zanmi l yo dèske yo te rete fidèl avèk li (Lik 22:24-28; Jan 13:1-5, 12-15). Nou ka imite Jezi e nou ka kontinye aji avèk dousè menm lè nou anba strès si nou sonje nou tout konn di oswa fè yon seri bagay ki ka fè lòt moun fache (Pwo. 12:18; Jak 3:2, 5). Epi, fè efò pou w felisite lòt moun pou bèl kalite yo genyen. — Efe. 4:29. w19.02 11-12 § 16-17.

Madi 4 out

Jewova [...] mete twòn li an chita byen djanm pou l bay jistis. — Sòm 9:7.

Lalwa te fè li difisil pou yon moun lage fo akizasyon sou do yon lòt moun. Moun yo akize a te gen dwa pou l konnen kiyès ki akize l la (Det. 19:16-19; 25:1). E anvan yo deklare l koupab, te dwe gen omwen de temwen ki bay prèv sou sa l te fè a (Det. 17:6; 19:15). E si yon Izrayelit te fè yon krim men se yon sèl moun ki te wè? Li pa ta dwe janm panse li pap jwenn pinisyon pou move bagay li fè a. Jewova te wè sa l te fè a. Jewova bay pi bèl egzanp lan. Pa gen okenn enjistis lakay li. Li rekonpanse moun ki suiv prensip li yo fidèlman, men li pini moun ki mal sèvi ak pouvwa yo genyen (2 Sam. 22:21-23; Eze. 9:9, 10). Kèk moun ka aji avèk mechanste epi yo wè anyen mal pa rive yo, men nan moman Jewova fikse a, li gen pou l rele yo nan jijman (Pwo. 28:13). E si yo pa repanti, y ap konnen “se yon bagay terib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an”. — Ebre 10:30, 31. w19.02 23-24 § 20-21.

Mèkredi 5 out

Depi lè sa a, pa janm gen yon pwofèt tankou Moyiz ann Izrayèl. Se yon moun Jewova te konnen byen. — Det. 34:10.

Pa gen dout, Moyiz te konn konte sou Jewova pou l jwenn konsèy ak direksyon. Vrèmanvre, “li te rete tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la”. (Ebre 11:24-27.) Nan mwens pase de mwa apre Izrayelit yo te fin kite peyi Ejip, anvan menm yo te rive nan Mòn Sinayi, te vin gen yon gwo pwoblèm. Pèp la te kòmanse plenyen paske yo pa t gen dlo. Yo te pran plenyen kont Moyiz, e sitiyasyon an te tèlman vin grav, Moyiz te oblije pale ak Jewova, li te di l: “Ki sa pou m fè ak pèp sa a? Yo sanlè touye m ak kout wòch!” ​(Egz. 17:4). Jewova te reponn Moyiz e l te ba l yon seri enstriksyon byen klè. Li te dwe pran baton l lan e l te dwe frape wòch ki nan Orèb la avè l, e apre sa, dlo t ap ponpe sot nan wòch la. Men sa nou li: “Moyiz te fè sa devan je ansyen ki nan pèp Izrayèl la.” Izrayelit yo te bwè dlo jis yo satisfè, epi pwoblèm nan te rezoud. — Egz. 17:5, 6. w18.07 13 § 4-5.

Jedi 6 out

Lanmou fòtifye moun. — 1 Kor. 8:1.

Youn nan mwayen Jewova itilize pou l fòtifye nou nan lanmou se kongregasyon an. Nou chak ka demontre lanmou sa a youn pou lòt lè n renmen frè n ak sè n yo ak lè n fòtifye yo nonsèlman nan domèn espirityèl, men tou, nan domèn afektif (1 Jan 4:19-21). Men ki konsèy apot Pòl te bay: “Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt, menm jan nou deja ap fè sa.” ​(1 Tes. 5:11). Wi, tout moun nan kongregasyon an kapab imite Jewova ak Jezi lè yo konsole frè ak sè yo ak lè yo fòtifye yo (Wom. 15:1, 2). Gen kèk moun nan kongregasyon an ki gen pwoblèm afektif ki ka bezwen èd yon pwofesyonèl e ki ka bezwen pran medikaman (Lik 5:31). Ansyen yo ak lòt moun nan kongregasyon an konn limit yo e yo rekonèt yo pa resevwa fòmasyon kòm pwofesyonèl nan domèn sante mantal. Sepandan, yo menm ak lòt moun nan kongregasyon an gen yon wòl enpòtan, sètadi pou yo “pale yon fason pou [...] konsole moun ki tris yo, soutni moun ki fèb yo, pran pasyans ak tout moun”. — 1 Tes. 5:14. w18.09 14 § 10-11.

Vandredi 7 out

Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. — Eza. 41:10.

Nou vin gen plis konfyans nan Jewova tank n ap aprann konnen l pi byen. E sèl fason nou ka pi byen konnen l se lè nou pran tan nou pou nou li Bib la e lè nou medite sou sa nou li yo. Bib la fè nou konnen divès fason Jewova te pwoteje pèp li a nan tan lontan. Tout sa fè nou gen asirans l ap pran swen nou jodi a. Ann fè yon ti reflechi sou bèl mo Ezayi itilize pou ede nou wè jan Jewova pwoteje nou. Li pale de Jewova antanke yon bèje e li pale de sèvitè Bondye yo antanke ti mouton. Men sa Ezayi te di konsènan Jewova: “L ap rasanble ti mouton yo ak bra l, e l ap pote yo sou lestomak li.” ​(Eza. 40:11). Lè nou santi nou nan bra Jewova ki gen fòs, nou santi nou an sekirite e nou kalm. Medite sou pawòl ankourajan ki nan tèks pou jounen an pou ede nou rete kalm malgre pwoblèm nou jwenn yo. Y ap ban nou fòs lè n ap fè fas ak difikilte k ap vin pi devan yo. w19.01 7 § 17-18.

Samdi 8 out

O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. — Sòm 40:8.

Èske w gen youn oubyen plizyè objektif w ap fè efò pou w atenn? Petèt w ap fè efò pou w li yon pòsyon nan Bib la chak jou. Oubyen, ou gendwa ap eseye amelyore fason w pale ak fason w anseye. Kèlkeswa objektif ou genyen, ki jan w santi w lè w wè bonjan rezilta w jwenn, oubyen lè lòt moun wè yo epi yo felisite w pou yo? Sandout ou santi w akonpli yon bagay e w santi w kontan. E se konsa w dwe santi w. Sa enpòtan, paske w mete volonte Bondye anvan volonte pa w, menm jan Jezi te fè sa (Pwo. 27:11). Lè w konsantre sou sèvis w ap bay Jewova a, w ap fè yon travay ki bay satisfaksyon toutbon, paske se yon bagay ki enpòtan anpil. Men sa apot Pòl te ekri: “Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen, se pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a, paske, anrapò ak Seyè a, nou konnen nou pap travay pou granmesi.” ​(1 Kor. 15:58). Tandiske lè yon moun ap kouri dèyè bagay ki nan monn nan, menm lè li sanble reyisi, alafen lavi moun sa a pa gen sans. — Lik 9:25. w18.12 22 § 12-13.

Dimanch 9 out

Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a. — Sòm 37:29.

David t ap fè referans ak yon moman kote moun ki sou tè a pral viv jan prensip jis Bondye yo mande sa (2 Pyè 3:13). Men sa pwofesi ki nan Ezayi 65:22 a di: “Pèp mwen an ap viv anpil tan menm jan ak yon pyebwa.” Sa montre lèzòm pral viv pandan plizyè milye ane. Selon Revelasyon 21:1-4, Bondye pral voye je gade lèzòm, e pami benediksyon li pwomèt yo “pap gen lanmò ankò”. Moun ki pral sèvi Bondye nan monn nouvo jis li a pap mouri. Adan ak Èv te pèdi Paradi ki te gen ann Edenn nan, men Paradi a pa t pèdi pou toutan. Jan Bondye te pwomèt sa, moun ki sou tè a pral jwenn benediksyon. Bondye te enspire David pou l fè konnen moun ki gen imilite yo ak moun ki jis yo pral posede tè a e yo pral viv sou li pou toutan (Sòm 37:11). Pwofesi ki nan liv Ezayi a dwe fè nou anvi wè jan bagay yo pral bèl (Eza. 11:6-9; 35:5-10; 65:21-23). Ki lè sa ap fèt? Lè pwomès Jezi te fè Juif ki bandi a reyalize (Lik 23:43). Ou kapab la nan Paradi sa a. w18.12 7 § 22-23.

Lendi 10 out

Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w. — Pwo. 4:23.

Èske n ka evite tout kontak ak panse monn nan? Non, paske nou pa ka kite monn nan yon fason literal. Li enposib pou n evite tout kontak ak panse l yo (1 Kor. 5:9, 10). Lè n nan travay predikasyon an, nou an kontak ak yon seri fo kwayans. Sepandan, nan ka kote n pa ka evite gen kontak ak panse monn nan, se sèten nou pa dwe pran plezi nan yo ni aksepte yo. Menm jan ak Jezi, nou dwe kouri rejte tout panse ki ann amoni ak objektif Satan. Mete sou sa, nou ka pwoteje tèt nou lè n pa ekspoze tèt nou yon fason ki pa nesesè anba panse monn nan. Pa egzanp, nou dwe pran prekosyon lè n ap chwazi moun pou vin bon zanmi nou. Bib la avèti nou si nou kontinye bon zanmi ak moun ki pap sèvi Jewova, fason yo panse ap detenn sou nou (Pwo. 13:20; 1 Kor. 15:12, 32, 33). Anplis de sa, lè n rejte detant k ap ankouraje moun kwè nan teyori evolisyon, fè vyolans, oswa imoralite, nou evite anpwazonnen lespri n ak panse ki “kont konesans Bondye”. — 2 Kor. 10:5. w18.11 21 § 16-17.

Madi 11 out

M ap mache nan verite w yo. — Sòm 86:11.

Ki sa n ka fè pou n ranfòse detèminasyon pou n mache nan laverite a? Youn nan fason yo se fè tout sa n kapab pou n anseye lòt moun verite ki nan Bib la. Lè n fè sa, n ap kenbe epe espirityèl nou an byen di, sètadi “pawòl Bondye a”. (Efe. 6:17.) Nou tout ka fè efò pou n amelyore kapasite n genyen antanke anseyan lè nou “manyen pawòl verite a kòrèkteman”. (2 Tim. 2:15.) Pandan n ap sèvi ak Bib la pou n ede lòt moun achte laverite e pou yo rejte manti, nou antre sa Bondye di yo pi fon nan lespri n ak nan kè n. Lè n fè sa, nou ranfòse detèminasyon pou n kontinye mache nan laverite. Laverite se yon kado ki gen anpil valè Jewova ban nou. Grasa kado sa a, nou vin gen bagay ki gen plis valè pou nou an, anpalan de relasyon sere nou gen ak Papa nou ki nan syèl la. Bagay li deja aprann nou yo se jis yon kòmansman! Bondye pwomèt nou letènite anplis laverite nou deja achte a. Kidonk, bay laverite valè menm jan ak yon bèl pèl. Kontinye “achte laverite e pinga w janm vann li”. — Pwo. 23:23. w18.11 8 § 2; 12 § 15-17.

Mèkredi 12 out

Noye, [te] yon moun ki t ap preche sa ki jis. — 2 Pyè 2:5.

Travay predikasyon Noye t ap fè anvan delij la te gen ladan l yon avètisman konsènan destriksyon ki t ap gen pou vini an. Note pawòl Jezi te di: “Paske, menm jan nan epòk anvan delij la, moun yo t ap manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e moun t ap marye pitit fi yo, jiskaske jou pou Noye antre nan lach la rive, yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” ​(Mat. 24:38, 39). Malgre moun yo pa t enterese, Noye te preche mesaj avètisman Bondye te ba l la fidèlman. Jodi a, nou preche mesaj Wayòm nan pou n ka bay moun yo posiblite pou yo aprann konn volonte Bondye pou lèzòm. Menm jan ak Jewova, nou swete ak tout kè n pou moun yo ta aksepte mesaj sa a e pou yo “kontinye viv”. (Eze. 18:23.) Anmenmtan, lè n ap preche kay an kay ak nan lari, nou fè plis moun posib konnen Wayòm Bondye a ap vin detwi monn sa a ki pa gen respè pou Bondye. — Eze. 3:18, 19; Dàn. 2:44; Rev. 14:6, 7. w18.05 19 § 8-9.

Jedi 13 out

Temwen ki fidèl la ap di laverite. — Pwo. 12:17.

Ki sa w ta dwe fè, pa egzanp, si otorite yo entèdi aktivite Wayòm nan nan peyi w ap viv la e yo rele w pou yo poze w kesyon sou frè yo? Èske w dwe di yo tout sa w konnen? Ki sa Jezi te fè lè gouvènè women an t ap poze l kesyon? Ann amoni ak prensip biblik ki di gen “yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale” a, pafwa, Jezi pa t di anyen ditou (Ekl. 3:1, 7; Mat. 27:11-14)! Nan yon sitiyasyon konsa, li pi bon pou n pa di anyen yon fason pou n pa met frè n yo an danje (Pwo. 10:19; 11:12). E si yon bon zanmi w oswa yon moun nan fanmi w fè yon peche grav e w konnen sa k pase a? “Di laverite.” Ou gen responsablite pou w di ansyen yo tout laverite epi w pa dwe tòde l. Yo gen dwa pou yo konnen sa k rive a yon fason pou yo ka wè ki pi bon fason pou yo ede moun ki fè peche a retounen gen bon relasyon ak Jewova. — Jak 5:14, 15. w18.10 10 § 17-18.

Vandredi 14 out

Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt. — 1 Tes. 5:11.

Ki jan nou ka fòtifye moun ak lanmou? Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou byen koute (Jak 1:19). Lè n koute moun yo e n mete n nan plas yo, nou montre n gen lanmou. Nou ka poze kèk kesyon avèk tak e avèk jantiyès pou n rive konprann santiman yon moun k ap soufri. Konsa, n ap ka mete n nan plas sèvitè Bondye parèy nou an e n ap ka fòtifye l. Kite enterè sensè ki plen lanmou ou gen pou moun nan parèt nan figi w. Si lòt kretyen an santi l bezwen bay plis detay, montre w gen pasyans epi fè efò pou w pa chèche anpeche l pale. Lè w koute avèk pasyans, petèt w ap pi konprann santiman moun nan. Sa ka pouse frè w la oswa sè w la k ap soufri a fè w konfyans, e konsa, pou l pi dispoze koute sa w ap di a pandan w ap fè efò pou w fòtifye l. Lè w montre w gen bonjan sousi pou lòt moun, enterè ki plen lanmou w demontre a ka rekonfòte yo anpil. w18.09 14 § 10; 15 § 13.

Samdi 15 out

Achte laverite. — Pwo. 23:23.

Tan se yon pri tout moun ki achte laverite dwe peye. Sa mande tan pou n koute mesaj Wayòm nan, pou n li Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la, pou n fè etid pèsonèl, pou n prepare reyinyon yo e pou n asiste yo. Pou n rive fè bagay sa yo, nou dwe “achte” oswa pran tan sou kèk lòt aktivite ki gen mwens enpòtans (Efe. 5:15, 16, nòt). Konbyen tan sa ap pran pou n vin gen yon konesans egzak sou ansèyman fondamantal ki nan Bib la? Sa depann de sitiyasyon nou. Pa gen okenn limit sou sa n ka aprann konsènan sajès Jewova, fason l aji ak travay li (Wom. 11:33). Nan premye Toudegad ki te soti a, yo te konpare laverite ak “yon ti flè tou senp”, e men sa yo te di: “Pa kontante w ak yon sèl flè verite. Si yon sèl te sifi pa t ap bezwen gen lòt. Kontinye keyi, chèche jwenn plis.” Menm lè n gen yon etènite devan nou, nou ka toujou aprann plis bagay sou Jewova. Jodi a, li enpòtan pou n byen sèvi ak tan nou yon fason pou n achte kantite verite sitiyasyon n pèmèt nou. w18.11 4 § 7.

Dimanch 16 out

Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou. — Efe. 5:25.

Mari yo jwenn ankourajman pou yo viv ak madanm yo “dapre konesans”, yon ekspresyon yo ka met “gen konsiderasyon pou yo, kontinye konprann yo” pou yo tradui l tou (1 Pyè 3:7, nòt). Bon konprann ak konsiderasyon mache men nan men. Pa egzanp, yon mari ki gen bon konprann, konnen madanm li, antanke konpay li, diferan avè l nan anpil domèn, men, sa pa vle di li pi ba pase l (Jen. 2:18). Nan ka sa a, li dwe montre l gen bonjan konsiderasyon pou santiman madanm nan e l dwe trete l ak diyite ak onè. Anplis de sa, yon mari ki gen konsiderasyon ap pran santiman madanm li oserye nan fason l aji ak lòt fi. Li pap janm flète ak yo oswa montre l enterese nan yo yon fason ki pa kòrèk, ni l pap montre enterè sa a lè l ap sèvi ak rezo sosyal oswa ak Entènèt (Jòb 31:1). Wi, l ap ret fidèl ak madanm li, nonsèlman paske l renmen l, men tou, paske l renmen Bondye e l rayi sa ki mal. — Sòm 19:14; 97:10. w18.09 29 § 3-4.

Lendi 17 out

Yon moun ki aji tankou moun ki gen mwens enpòtans pami nou tout, se li ki enpòtan. — Lik 9:48.

Poukisa li difisil pou n aplike sa n aprann nan Pawòl Bondye a? Youn nan rezon yo se paske sa mande imilite pou n fè sa ki dwat, epi kapasite n genyen pou n demontre imilite a ap sibi eprèv. Nan “dènye jou” sa yo, nou antoure ak moun ki “renmen pwòp tèt yo, [ki] renmen lajan, [ki] grandizè, [ki] ògeye” e ki “san metriz”. (2 Tim. 3:1-3.) Lè moun yo ap fè wè jan yo egoyis e yo menm fè elòj pou sa, yon sèvitè Bondye gendwa rayi yon konduit konsa, men l ka anvye rezilta sa bay (Sòm 37:1; 73:3). Yon moun gendwa menm mande tèt li: ‘Èske sa vrèman vo lapenn pou m met enterè lòt moun anvan enterè pa m? Si m konpòte m “kòm yon moun ki pa enpòtan”, èske m pap pèdi respè lòt moun?’ Si n kite etadespri egoyis ki gaye nan monn nan gen enfliyans sou nou, sa ka gen move efè sou relasyon ki baze sou lanmou nou gen nan kongregasyon an ak sou idantite n antanke kretyen. Men, nou jwenn byenfè lè n etidye bon egzanp ki nan Bib la ak lè n imite yo. w18.09 3 § 1.

Madi 18 out

Yon moun [...] kontan lè l bay. — Tra. 20:35.

Menm lè Jewova te poukont li anvan l te kòmanse kreye, li pa t panse ak tèt li sèlman. Okontrè, li te bay kreyati ki gen entèlijans yo, anpalan de zanj yo ak lèzòm, lavi kòm kado. Antanke “Bondye ki gen kè kontan an”, Jewova renmen bay bon bagay (1 Tim. 1:11; Jak 1:17). E piske l vle nou gen kè kontan tou, li anseye nou pou n renmen bay (Wom. 1:20). Bondye te fè lòm pòtre avè l (Jen. 1:27). Sa vle di, li te kreye n pou n demontre menm pèsonalite avè l. Pou n ka jwenn kè kontan ak satisfaksyon, nou bezwen suiv egzanp Jewova bay lè n montre n enterese nan lòt moun e lè n renmen bay (Flp. 2:3, 4; Jak 1:5). Poukisa? Yon fason senp, se paske, avèk lanmou, Jewova te kreye lòm fason sa a. Malgre nou enpafè, nou ka rive imite Jewova lè n renmen bay. Jewova vle pou moun li kreye yo imite l, donk, li kontan lè n renmen bay. — Efe. 5:1. w18.08 18 § 1-2; 19 § 4.

Mèkredi 19 out

Mouton m yo koute vwa m. — Jan 10:27.

Moun k ap suiv Kris yo montre yo koute vwa Jezi nonsèlman lè yo koute pawòl li yo men tou lè yo obeyi yo. Yo pa kite “tètchaje ki gen nan lavi a” pote yo ale (Lik 21:34). Okontrè, priyorite yo nan lavi a se obeyi kòmandman Jezi yo menm lè yo nan sitiyasyon ki difisil. Malgre tout bagay sa yo, frè nou yo rete fidèl ak Jewova kèlkeswa sa sa mande. Yon lòt fason nou ka montre nou koute Jezi se lè nou kolabore ak moun li mete pou dirije nou yo (Ebre 13:7, 17). Òganizasyon Bondye a fè anpil chanjman nan dènye ane sa yo, pami chanjman sa yo, yo vin sèvi ak nouvo zouti ak nouvo metòd nan travay predikasyon an, yo chanje fason nou te konn fè reyinyon lasemèn nan ak fason nou fè konstriksyon, renovasyon ak antretyen Sal Wayòm yo. Se pa ti apresye nou apresye bonjan direksyon yo ban nou ki chaje ak lanmou! Nou sèten Jewova ap beni efò nou fè pou nou suiv direksyon òganizasyon l lan bay nan bon moman. w19.03 10-11 § 11-12.

Jedi 20 out

Nou pap [...] ale adwat agoch [ankò] poutèt n al koute moun ki sèvi ak trik. — Efe. 4:14.

Yon istwa ki gen sèlman 10 pousan verite se yon istwa ki 100 pousan manti. Fè yon ti reflechi sou sa k te rive Izrayelit ki te abite sou bò lwès Rivyè Jouden an nan epòk Jozye (Joz. 22:9-34). Yo te resevwa yon nouvèl ki fè konnen Izrayelit ki abite sou bò lès Jouden an te konstwi yon lotèl. Pati sa a nan nouvèl la te verite. Sou baz enfòmasyon sa a ki pa t konplè, Izrayelit ki te sou bò lwès yo te panse Izrayelit ki sou lòt bò a te fè rebèl kont Jewova (Joz. 22:9-12). Erezman, anvan yo atake, yo te voye yon delegasyon al chèche gen tout enfòmasyon yo. Ki sa mesye yo te vin aprann? Yo pa t konstwi lotèl la pou yo fè sakrifis, men yo te konstwi l pou fè sonje se Jewova y ap adore, pou yo te ka fè tout moun ki t ap gen pou vin fèt annapre yo konnen yo menm tou yo t ap sèvi Jewova fidèlman. Se pa ti kontan Izrayelit sa yo dwe te kontan dèske yo pa t masakre frè yo sou baz yon enfòmasyon ki pa t konplè, men yo te pran tan pou yo chèche gen tout enfòmasyon yo! w18.08 5 § 9-10.

Vandredi 21 out

Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe. — 1 Kor. 10:12.

Jan Pòl montre sa, menm vrè adoratè yo ka vin tonbe nan fè sa k mal. Moun ki tonbe anba tantasyon yo ka panse yo toujou gen yon bon repitasyon devan Jewova. Men, lè yon moun annik vle vin zanmi Jewova oswa l fè konnen l fidèl ak Jewova, sa pa toujou vle di Jewova apwouve moun sa a (1 Kor. 10:1-5). Menm jan Izrayelit yo te vin ap enkyete yo lè yo te wè Moyiz fè twòp tan sou Mòn Sinayi, konsa tou jodi a, kretyen yo ka vin ap bay tèt yo anpil pwoblèm lè yo wè jou jijman Jewova a ak monn nouvo a sanble pran twòp tan pou yo rive. Pwomès sa yo ka sanble pran twòp tan pou yo reyalize oswa yo ka parèt twò bèl pou yo se laverite. Si n pa fè atansyon, yon panse konsa ka fè n met dezi lachè anvan volonte Jewova. Rive yon lè, nou ka vire do bay Jewova, e finalman, nou ka tonbe nan fè yon seri bagay nou pa t ap janm fè lè n te gen bon relasyon avè l. w18.07 21 § 17-18.

Samdi 22 out

M ap fè sa w mande m nan paske w jwenn favè nan je m e mwen konnen w byen. — Egz. 33:17.

Nou ka jwenn bonjan benediksyon lè Jewova vin konnen nou pèsonèlman. Men, ki jan n ka mete n nan pozisyon pou Jewova konnen nou? Nou fè sa lè n vin renmen l e lè n vwe lavi n ba li (1 Kor. 8:3). Sepandan, nou bezwen kontinye kenbe relasyon ki gen anpil valè nou gen ak Papa nou ki nan syèl la. Menm jan ak kretyen nan vil Galat Pòl te ekri yo, nou bezwen evite vin esklav bagay nan monn sa a “ki pa itil e ki san valè”, e n pa dwe ap chèche jwenn lwanj nan monn nan (Gal. 4:9). Kretyen sa yo ki t ap viv nan premye syèk la te fè pwogrè jiskaske Bondye vin konnen yo. Sepandan, Pòl te di menm frè sa yo te “retounen [...] ankò” nan bagay ki san valè. Anfèt, se kòmsi Pòl te di: “Apre n fin rive lwen konsa, poukisa n retounen nan bagay ki pa gen sans e ki san valè nou te kite dèyè yo?” w18.07 8 § 5-6.

Dimanch 23 out

Yon moun ki gen sajès konn koute e li vin gen plis konesans. — Pwo. 1:5.

Erezman n pa oblije sibi konsekans yon moun jwenn lè l dezobeyi lwa Bondye yo pou n ka aprann bonjan leson. Nou ka aprann kèk leson nan erè kèk moun Pawòl Bondye a pale de yo ki te vyole lwa sa yo. Nan fason sa a, nou resevwa pi bon fòmasyon an nan men Bondye, tankou fòmasyon n jwenn lè n li istwa Bib la rapòte konsènan yon seri moun epi n medite sou yo. Pa egzanp, fè yon ti reflechi ak lapenn wa David te genyen apre l te fin dezobeyi lwa Jewova a epi l te fè adiltè ak Batcheba (2 Sam. 12:7-14). Pandan n ap li istwa sa a e n ap medite sou li, nou ka ap mande tèt nou: ‘Ki jan wa David te ka evite pwoblèm li te jwenn akoz adiltè l te fè ak Batcheba a? Si m ap fè fas ak yon tantasyon menm jan an, èske m ap gen fòs pou m kouri pou li? Èske m ap kouri menm jan ak Jozèf oswa èske m ap sede menm jan ak David?’ ​(Jen. 39:11-15). Lè n reflechi ak move konsekans peche lakòz, nou ka pran detèminasyon nan kè n pou n “rayi sa ki mal”. — Amòs 5:15. w18.06 17 § 5, 7.

Lendi 24 out

Bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye. — Mat. 22:21.

Enjistis konn fè moun chofe pou yo antre nan politik. Zafè peye taks la te yon gwo pwoblèm politik nan epòk Jezi a. Moun ki te anba dominasyon Wòm yo te dwe peye plizyè taks, tankou taks sou byen yo, sou tè yo ak sou kay yo. Epitou, piske pèseptè yo te nan koripsyon, sa te fè moun yo santi chay la vin twò lou pou yo. Pèseptè yo te konn peye pou yo mete yo chèf, e moun ki te bay plis kòb la se li yo te pran, annapre yo te chèche tire kòb yo a nan taks y ap ranmase yo. Zache, pèseptè an chèf ki te nan vil Jeriko a, te vin rich paske l te konn pran lajan nan men moun yo nan move kondisyon (Lik 19:2, 8). Petèt anpil moun te konn aji menm jan avè l. Ènmi Jezi yo te eseye pran Jezi nan pyèj lè yo te mande l opinyon l sou kesyon peye taks la. Taks yo t ap pale a se te “enpo [yo te] egzije pou chak moun peye a”, yon taks ki te yon denye yo te egzije moun ki te anba dominasyon Wom yo (Mat. 22:16-18). Juif yo te rayi taks sa a anpil paske l te fè yo sonje se Wòm k ap dirije yo. w18.06 5-6 § 8-10.

Madi 25 out

Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou. — Gal. 6:7.

Konsekans yo toujou depase kèlkeswa swadizan avantaj Satan ka ofri (Jòb 21:7-17; Gal. 6:8). Ki avantaj nou genyen lefètke n konn ki kote enfliyans Satan rive? Sa ede n gen yon pwennvi ekilibre sou otorite yo e sa motive n nan travay predikasyon nou an. Nou konprann Jewova vle n respekte otorite ki nan gouvènman yo (1 Pyè 2:17). Epi, li atann pou n obeyi lwa gouvènman lèzòm yo toutotan lwa sa yo pa an kontradiksyon ak prensip li yo (Wom. 13:1-4). Men, nou rann nou kont nou dwe kenbe netralite nou, nou pa dwe janm panse yon pati politik oswa yon dirijan pi bon pase yon lòt (Jan 17:15, 16; 18:36). Piske n wè sa Satan ap eseye fè ak non Jewova ansanm ak repitasyon Jewova, nou santi n pi chofe pou n anseye lòt moun laverite sou Bondye nou an. Nou fyè pou n pote non l e pou n sèvi ak non sa a paske n konnen lanmou n gen pou li a ap fè n jwenn plis avantaj lontan pase lanmou pou lajan oswa pou bagay materyèl. — Eza. 43:10; 1 Tim. 6:6-10. w18.05 24 § 8-9.

Mèkredi 26 out

Yon madanm pa dwe separe ak mari l. — 1 Kor. 7:10.

Si gen pwoblèm ant mari ak madanm, èske separasyon se pi bon solisyon an? Labib pa bay detay sou divès rezon ki ka fè yon moun separe. Men sa Pòl te ekri: “Si yon madanm gen mari l ki pa kwayan, e mari a dakò rete ak li, li pa dwe kite mari a.” ​(1 Kor. 7:12, 13). Sa aplikab tou nan epòk nou an. Nou rekonèt gen kèk ka kote yon “mari ki pa kwayan” montre li pa “dakò rete ak” madanm nan. Mari a ka vyolan anpil e sa ka menm fè madanm nan santi lavi l an danje. Mari a ka refize pran swen fanmi an oswa li ka met relasyon madanm nan gen ak Bondye an danje. Nan ka sa yo, gen kèk kretyèn ki deside, kèlkeswa sa mari a ta di, fason l aji montre li pa “dakò rete” ak madanm nan e yo oblije separe. Men, gen lòt kretyèn ki nan menm sitiyasyon difisil sa a ki deside rete. Yo andire e yo eseye fè efò pou yo amelyore sitiyasyon an. w18.12 13 § 14, 16; 14 § 17.

Jedi 27 out

Se moun ki [...] bay fwi avèk andirans. — Lik 8:15.

Nan egzanp moun k ap simen an nou jwenn nan Lik 8:5-8, 11-15, semans lan se “pawòl Bondye a” oswa mesaj Wayòm nan. Tè a reprezante kè moun nan sans senbolik. Semans ki tonbe nan bon tè a fè rasin, li pouse, apre sa, li “bay fwi 100 fwa lavalè”. Menm jan semans ki nan egzanp Jezi te bay la te rete nan bon tè a, nou te aksepte mesaj la e nou te ret atache avè l. Kòm rezilta, mesaj Wayòm nan ki tankou yon semans te fè rasin e l te grandi, konsa, li te vin bay yon grap ble, e rive yon lè, li te pare pou l bay fwi. Epitou, menm jan sa yon grap ble bay se pa nouvo grap, men se nouvo semans, nou menm tou, fwi nou bay la se pa nouvo disip, men se nouvo semans Wayòm nan. Ki fason nou pwodui nouvo semans Wayòm nan? Chak fwa nou preche mesaj Wayòm nan yon fason oswa yon lòt, nan yon sans, nou miltipliye e nou simaye semans ki te plante nan kè nou an (Lik 6:45; 8:1). Kidonk, egzanp sa a aprann nou depi n kontinye preche mesaj Wayòm nan, nou “bay fwi avèk andirans”. w18.05 14 § 10-11.

Vandredi 28 out

Mwen reprimande tout moun mwen gen afeksyon pou yo, e mwen disipline yo. — Rev. 3:19.

Nonsèlman Pòl te dispoze ankouraje frè l yo, li te di yo tou “m ap byen kontan bay tout bagay, e m ap byen kontan bay tèt mwen nèt pou nou”. (2 Kor. 12:15.) Menm jan an tou, ansyen yo pa dwe sèvi ak pawòl sèlman pou yo ankouraje frè yo epi konsole yo, yo dwe fòtifye yo tou lè yo montre yo enterese toutbon nan yo chak (1 Kor. 14:3). Pou youn fòtifye lòt, sa ka mande pou n bay konsèy, men, yon lòt fwa ankò, ansyen yo dwe suiv egzanp ki nan Bib la konsènan fason yo dwe bay konsèy ki ankourajan. Yon egzanp estrawòdinè nou gen nan sans sa a se egzanp Jezi te bay apre lanmò l ak rezirèksyon l. Li te gen kèk konsèy fèm li te dwe bay yon seri kongregasyon ann Azi minè, men remake ki fason l te fè sa. Anvan l te bay kongregasyon Efèz, Pègam ak Tiyati konsèy, li te ba yo bonjan felisitasyon (Rev. 2:1-5, 12, 13, 18, 19). L ap bon pou ansyen yo imite egzanp Kris lè yo bezwen bay konsèy. w18.04 22 § 8-9.

Samdi 29 out

Papa, [...] kontinye leve [pitit nou] yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay. — Efe. 6:4.

Paran, sandout, ou fè tout sa w kapab pou w pwoteje pitit ou pou l pa malad. Ou kenbe kay ou pwòp, e w retire tout sa ki ka lakòz ou menm oswa pitit ou malad. Menm jan an tou, ou bezwen pwoteje pitit ou kont fim, emisyon yo pase nan televizyon, jwèt elektwonik ak sit Entènèt ki ka fè panse Satan yo kontamine pitit ou. Jewova ba w otorite pou w veye sou sante espirityèl pitit ou (Pwo. 1:8). Donk, pa ezite fikse yon seri règ nan kay la ki baze sou prensip biblik yo. Fè pitit ou konnen ki sa yo ka gade ak ki sa yo pa ka gade, epi ede yo konprann rezon ki fè w pran desizyon sa yo (Mat. 5:37). Tank pitit ou ap vin pi gran, ba yo fòmasyon pou yo rive konprann poukont yo sa ki byen ak sa ki mal selon prensip Jewova yo (Ebre 5:14). Epi sonje sa, pitit ou yo ap aprann plis toujou nan sa w fè. — Det. 6:6, 7; Wom. 2:21. w19.01 16 § 8.

Dimanch 30 out

Nou menm granmoun ak nou menm timoun. Se pou yo louwe non Jewova. — Sòm 148:12, 13.

Si w se yon jèn kretyen, poukisa w pa fikse objektif pou w montre w enterese nan moun ki granmoun yo? Avèk respè, ou gendwa mande yo pou yo rakonte w yon eksperyans yo te fè pandan plizyè ane yo pase nan sèvis la. W ap twouve sa vrèman ankourajan, e ni ou menm ni yo menm ap menm vin pi chofe pou nou fè limyè verite a briye. Epi, nou tout ka fikse objektif pou n akeyi moun ki vin asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan. Si w gen responsablite pou w òganize yon reyinyon predikasyon, ou ka fè plis toujou pou ede moun ki granmoun yo patisipe nan travay predikasyon an. Èske yo gen tèritwa ki apwopriye pou yo? Nan kèk ka, nou ka mete yo preche ak yon moun ki pi jèn ki ka ede yo fizikman. Mete sou sa, nou ka montre nou konprann moun ki limite nan sa yo ka fè akoz sante yo ak lòt sitiyasyon. Vrèmanvre, lè n demontre konsiderasyon ak bon konprann, sa ka ede jèn kou granmoun, kit yo gen anpil eksperyans kit yo pa gen anpil, pou yo preche bon nouvèl la avèk zèl. — Lev. 19:32. w18.06 23-24 § 10-12.

Lendi 31 out

Pa pran libète nou genyen an pou fè l sèvi kouvèti pou nou fè sa ki mal, men, sèvi avè l antanke esklav Bondye. — 1 Pyè 2:16.

Nou pa dwe janm minimize libète Jewova ban nou lè l delivre n anba esklavaj peche ak lanmò. Grasa ranson an, nou ka sèvi Bondye nou an ak yon konsyans ki klè e n ka jwenn bonjan plezi lè n ap fè sa (Sòm 40:8). Nonsèlman nou dwe demontre rekonesans, men tou, nou dwe fè atansyon pou n pa janm mal sèvi ak libète n genyen an ki gen anpil valè. Apot Pyè te avèti nou pou n pa sèvi ak libète n genyen an kòm yon eskiz pou n satisfè dezi lachè. Èske avètisman sa a pa fè w sonje sa k te rive Izrayelit yo nan dezè a? Danje sa a toujou la devan nou, e petèt li menm vin pi plis. Kounye a, Satan ak monn li an bay moun yo plis chwa ki atiran nan kesyon abiman ak aparans, manje ak bwè, divètisman ak detant ak anpil lòt bagay ankò. Byen souvan, moun k ap fè reklam yo pran san yo pou fè yon seri reklam ki atiran e yo twonpe moun yo lè yo fè yo konnen yo dwe gen yon seri bagay alòske yo pa bezwen bagay sa yo vre. Se pa ti fasil li fasil pou n pran nan pyèj sa yo e pou n mal sèvi ak libète n genyen an! w18.04 10 § 7-8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje