BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es20 p. 88-98
  • Septanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Septanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2020
  • Soutit
  • Madi 1ye septanm
  • Mèkredi 2 septanm
  • Jedi 3 septanm
  • Vandredi 4 septanm
  • Samdi 5 septanm
  • Dimanch 6 septanm
  • Lendi 7 septanm
  • Madi 8 septanm
  • Mèkredi 9 septanm
  • Jedi 10 septanm
  • Vandredi 11 septanm
  • Samdi 12 septanm
  • Dimanch 13 septanm
  • Lendi 14 septanm
  • Madi 15 septanm
  • Mèkredi 16 septanm
  • Jedi 17 septanm
  • Vandredi 18 septanm
  • Samdi 19 septanm
  • Dimanch 20 septanm
  • Lendi 21 septanm
  • Madi 22 septanm
  • Mèkredi 23 septanm
  • Jedi 24 septanm
  • Vandredi 25 septanm
  • Samdi 26 septanm
  • Dimanch 27 septanm
  • Lendi 28 septanm
  • Madi 29 septanm
  • Mèkredi 30 septanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2020
es20 p. 88-98

Septanm

Madi 1ye septanm

Byenke nou pa janm wè l, nou renmen l. — 1 Pyè 1:8.

Jezi te montre konsiderasyon pou santiman Mat ak Mari. Lè Jezi te wè jan yo nan lapenn apre lanmò Laza, frè yo a, “dlo [te] koule nan je Jezi”. (Jan 11:32-35.) Li pa t annik kriye paske l te pèdi yon bon zanmi. Dayè li te konnen li t apral resisite Laza. Okontrè, Jezi te kriye paske li te konprann jan zanmi li renmen anpil yo nan lapenn, e sa te fè l mal. Nou jwenn anpil byenfè lè nou aprann jan Jezi te gen konsiderasyon pou santiman lòt moun. Nou renmen l pou fason l te aji ak lòt moun. Sa ankouraje nou lefètke nou konnen l ap dirije kounye a antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Talè konsa, li pral elimine tout soufrans. Lefètke Jezi te viv sou tè a antanke moun, se li ki nan pi bon pozisyon pou l ede lèzòm soti anba soufrans dominasyon Satan an lakòz. Vrèmanvre, nou jwenn anpil benediksyon lefètke nou gen yon Dirijan ki ka “konprann feblès nou”. — Ebre 2:17, 18; 4:15, 16. w19.03 17 § 12-13.

Mèkredi 2 septanm

Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini. — Jan 6:44.

Se vre nou gen yon wòl nou jwe nan ede moun yo aprann konnen Bondye, men wòl ki pi enpòtan an se pa nou menm ki jwe l (1 Kor. 3:6, 7). Se Jewova ki rale moun yo vini. Finalman, chak moun ap reyaji devan bon nouvèl la selon kondisyon kè l (Mat. 13:4-8). Sonje pifò moun pa t aksepte mesaj Jezi a, poutan se li ki te pi gran Anseyan ki pase sou tè a! Kidonk, nou pa ta dwe janm dekouraje si anpil nan moun nou eseye ede yo pa byen reyaji. N ap wè byenfè nou jwenn lè nou gen konsiderasyon pou santiman lòt moun nan travay predikasyon an. N ap plis pran plezi nan travay predikasyon an. N ap gen plis kè kontan paske nou bay. E n ap fè li pi fasil pou moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” aksepte bon nouvèl la (Tra. 13:48). Donk, “toutotan nou gen okazyon pou sa, annou fè byen ak tout moun”. (Gal. 6:10.) Lè sa a, n ap kontan bay Papa nou ki nan syèl la glwa. — Mat. 5:16. w19.03 25 § 18-19.

Jedi 3 septanm

M ap fè louwanj pou ou nan mitan kongregasyon an. — Sòm 22:22.

Men sa wa David te ekri: “Jewova gran e li merite pou yo fè louwanj pou li.” ​(Sòm 145:3). Li te renmen Jewova e sa te pouse l fè louwanj pou Bondye “nan mitan kongregasyon an”. (1 Kwo. 29:10-13; Sòm 40:5.) Youn nan fason nou fè louwanj pou Jewova jodi a, se lè nou fè kòmantè nan reyinyon yo. Nou tout renmen tande divès kalite kòmantè ki fèt nan reyinyon nou yo. Nou pran plezi tande pawòl senp ki soti nan kè yon timoun. Lè nou tande yon moun k ap fè kòmantè ak kè kontan sou yon verite li fèk aprann, sa touche nou. E nou vrèman apresye moun ki “mete kouraj” sou yo pou yo fè yon kòmantè, menm lè yo timid oubyen yo fèk kòmanse aprann yon lang (1 Tes. 2:2, nòt). Ki jan nou ka montre nou apresye efò yo fè? Yon fason nou ka fè sa se lè nou remèsye yo apre reyinyon an pou kòmantè ankourajan yo te fè. Yon lòt fason nou ka fè sa, se lè nou fè yon kòmantè tou. Lè sa a, nonsèlman nou jwenn ankourajman nan reyinyon yo, men nou ankouraje lòt moun tou. — Wom. 1:11, 12. w19.01 8 § 1-2; 9 § 6.

Vandredi 4 septanm

Montre nou gen rekonesans. — Kol. 3:15.

Dis mesye yo te fin pèdi espwa. Yo te gen lèp e yo pa t panse yo t ap geri. Men, yon jou, yo wè Jezi, Gran Anseyan an. Yo te aprann Jezi konn geri tout kalite maladi. Se sa k fè yo te di byen fò: “Jezi, Anseyan, gen pitye pou nou!” Dis mesye yo te geri nèt. Pa gen dout, yo tout te kontan pou bon aksyon Jezi te fè pou yo a. Men, gen youn nan yo ki pa t annik santi li gen rekonesans pou sa Jezi te fè pou li a, men li te montre Jezi li apresye sa. Mesye sa a ki te geri a ki te yon Samariten te santi fò l bay Bondye glwa “byen fò”. (Lik 17:12-19.) Menm jan ak Samariten an, nou dwe montre rekonesans pou moun ki aji byen ak nou. Jewova ban nou egzanp nan kesyon montre rekonesans lan. Youn nan fason li fè sa se lè li rekonpanse moun ki fè l plezi (2 Sam. 22:21; Sòm 13:6; Mat. 10:40, 41). Labib ankouraje nou pou n “imite Bondye, antanke pitit li renmen”. (Efe. 5:1.) Donk youn nan prensipal rezon ki fè nou dwe montre rekonesans se paske nou vle suiv egzanp Jewova. w19.02 14 §1-2; 15 § 4.

Samdi 5 septanm

Mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye! — Jòb 27:5.

Avèk respè, yon tifi ki lekòl fè konnen li pap patisipe nan yon fèt. Yon jèn gason ki timid al frape pòt kay yon elèv nan lekòl li a ki abitye pase Temwen Jewova yo nan jwèt. Patwon yon mesye k ap travay di pou l pran swen fanmi l mande l fè yon magouy oswa yon bagay ki pa legal. Byenke mesye a konnen li ka pèdi djòb li, li fè patwon an konnen li dwe onèt e li dwe obeyi lalwa paske se sa Bondye mande pou sèvitè l yo fè (Wom. 13:1-4; Ebre 13:18). Ki kalite ou wè twa moun sa yo demontre? Petèt ou wè yo gen plizyè kalite, pa egzanp yo gen kouraj e yo onèt. Men, youn nan kalite ki gen plis valè yo demontre se fidelite. Yo chak montre yo fidèl ak Jewova. Yo youn pa aksepte fè konpwomi ak prensip Bondye yo. Se fidelite ki fè moun sa yo aji jan yo aji a. Se sèten Jewova santi l fyè lè l ap gade chak moun sa yo paske yo montre yo fidèl. Menm jan an tou, nou ta renmen fè Papa nou ki nan syèl la santi li fyè. w19.02 2 § 1-2.

Dimanch 6 septanm

Lalwa se sèlman lonbray bon bagay ki gen pou vini yo. — Ebre 10:1.

Lalwa te pwoteje moun ki pa t ka pwoteje tèt yo, pa egzanp òfelen yo, vèv yo ak etranje yo. Men sa yo te fè jij ann Izrayèl yo konnen: “Lè n ap jije yon etranje k ap viv nan mitan nou oswa yon timoun ki pa gen papa, nou dwe fè sa avèk jistis. Nou pa dwe pran rad yon vèv kòm garanti pou yon bagay nou prete l.” ​(Det. 24:17). Jewova te enterese anpil nan moun ki san defans nan peyi a. E li te mande moun ki te konn maltrete moun sa yo regleman (Egz. 22:22-24). Jewova vle moun li konfye responsablite yo montre yo enterese nan tout moun ki anba otorite yo avèk lanmou. Li rayi vyòl, relasyon seksyèl ant moun ki fanmi pre, abi seksyèl sou timoun e li fè yon fason pou tout moun, sitou moun ki plis san defans yo, jwenn pwoteksyon (Lev. 18:6-30). Lè nou gen konviksyon Jewova aji avè n yon fason ki jis, nou vin gen plis lanmou pou li. Epitou, lè nou renmen Bondye e lè nou renmen prensip li yo ki dwat, nou santi nou pouse pou nou renmen lòt moun e pou nou aji avèk yo yon fason ki jis. w19.02 24-25 § 22-26.

Lendi 7 septanm

Rejte konduit ki dezonore Bondye, [...] rejte dezi ki nan monn nan. — Tit 2:12.

Ann pran yon egzanp pou montre fason nou ka pwoteje tèt nou pou panse Satan yo pa enfliyanse nou. Jewova fè nou konnen “depi se imoralite seksyèl, salte sou kèlkeswa fòm nan, [...] nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou”. (Efe. 5:3.) Men, ki sa n ap fè si moun nan travay nou oswa nan lekòl nou kòmanse pale sou bagay ki imoral? Konsyans nou ki tankou yon moun k ap fè pòs ka ban nou siyal (Wom. 2:15). Men, èske n ap koute l? Olye nou koute l, nou gendwa anvi koute sa moun sa yo ap di oswa gade imaj y ap montre yo. Men, menm jan ak moun k ap fè pòs la, se moman pou nou fèmen pòt vil la, sa vle di pou nou chanje konvèsasyon an oswa pou nou al fè wout nou. Sa mande kouraj pou nou reziste anba presyon lòt moun ap fè sou nou pou nou panse oswa pou nou fè bagay ki mal. Nou mèt sèten Jewova wè efò n ap fè, e l ap ban nou fòs ak sajès nou bezwen pou n pa kite panse Satan yo kontamine nou. — 2 Kwo. 16:9; Eza. 40:29; Jak 1:5. w19.01 17-18 § 12-13.

Madi 8 septanm

Lè m t ap reflechi sou tout travay mwen te fè ak pwòp men m [...], mwen te wè tout sa ap pase [...]. Pa t gen anyen ki te enpòtan toutbonvre. — Ekl. 2:11.

Salomon te rich anpil e li te gen anpil pouvwa. Li te fè yon eksperyans. Li te “chèche pran plezi [l] pou [l] wè ki bon bagay [l] ap jwenn nan sa”. (Ekl. 2:1-10.) Li te bati kay, li te fè bèl jaden ak bèl kote ki plen ak pyebwa e li te chèche jwenn tout sa l te anvi. Ki jan l te santi l annapre? Èske l te kontan? Èske l te santi l reyisi? Èske l te satisfè? Nou pa bezwen ap fè devinèt. Salomon ban nou repons lan nan tèks pou jounen an. Ala yon bèl leson! Èske w ap bay sa enpòtans? Jewova pa ta renmen w fè move eksperyans nan lavi a ki ka fè w soufri. Men, ou bezwen gen lafwa pou w obeyi Bondye e pou w bay volonte l premye plas nan lavi w. Lafwa sa a gen anpil valè e yon moun pap janm regrèt li genyen l. Wi, Jewova pap janm bliye “lanmou nou demontre pou non l”. (Ebre 6:10.) Kidonk, fè efò pou w gen yon lafwa ki solid, konsa w ap wè Papa w ki nan syèl la vle sa ki pi bon an pou ou. — Sòm 32:8. w18.12 22 § 14-15.

Mèkredi 9 septanm

Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou. — Wom. 5:8.

Yon moun ki kite lespri Bondye gide l gen lafwa e li chèche wè bagay yo menm jan ak Bondye. Li chèche konsèy nan men Bondye e li pa kite anyen anpeche l obeyi l (1 Kor. 2:12, 13). David se yon bon egzanp. Men sa l te di: “Jewova se pòsyon pa m, li se pòsyon yo met apa pou mwen an, e se li menm ki plen gode m.” ​(Sòm 16:5). “Pòsyon” sa a gen ladan l bon relasyon David te gen ak Bondye ki te yon refij pou li (Sòm 16:1). Men sa l ekri: “Se tout mwen menm ki kontan”. Vrèmanvre, pa gen anyen ki te fè David pi kontan pase bon relasyon li te gen ak Bondye a (Sòm 16:9, 11). Se pa moun ki konsantre lavi yo sou plezi ak richès k ap gen kè kontan (1 Tim. 6:9, 10). Lè nou chèche gen lafwa nan Jewova e lè nou sèvi l, sa ap fè lavi nou gen yon sans e sa ap ban nou satisfaksyon. Ki jan w ka vin gen plis lafwa? Nan yon sans, ou dwe pase tan avèk Jewova lè w li Pawòl li a, lè w gade sa l kreye, ak lè w reflechi sou kalite li genyen tankou lanmou li gen pou ou. — Wom. 1:20. w18.12 25 § 7-8.

Jedi 10 septanm

Se pou tout moun onore maryaj. — Ebre 13:4.

Se pa t yon senp deklarasyon Pòl te fè. Men, li te di pawòl ki nan vèsè a pou l ankouraje chak kretyen pou yo konsidere maryaj kòm yon bagay ki gen anpil valè. Èske se konsa w wè maryaj an jeneral oswa se konsa w wè maryaj pa w si w marye? Si w onore maryaj, ebyen konnen ou suiv pi bon egzanp ki te ka genyen an. Jezi te onore maryaj. Lè Farizyen yo te poze Jezi kesyon sou divòs, li te fè referans ak sa Bondye te di konsènan premye maryaj la lè l te di: “Se poutèt sa, yon gason ap kite papa l ak manman l, e yo de a ap vin yon sèl chè.” Apre sa, li di: “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” ​(Mak 10:2-12; Jen. 2:24). Donk, Jezi te dakò se Bondye ki vin ak maryaj e li te montre enpòtans pou maryaj la dire nètale. Bondye pa t di Adan ak Èv yo te ka divòse si yo vle. Prensip li te bay nan maryaj ki te fèt nan jaden Edenn nan se pou yon gason gen yon sèl madanm, e se pou “yo de a” ret ansanm nètale. w18.12 10-11 § 2-4.

Vandredi 11 septanm

Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon. — Wom. 12:2.

Lè n te fèk aprann laverite, nou te aprann jan l enpòtan pou n obeyi bagay fondamantal Jewova mande yo. Men, toutpandan n ap kontinye grandi nan domèn espirityèl, nou vin aprann plis bagay sou panse Jewova, tankou sa l renmen, sa l pa renmen ak fason l wè bagay yo. Byenke n ka pran plezi aprann panse menm jan ak Jewova, sa ka difisil tou. Pafwa, fason n rezone a ki pa pafè ka vin yon obstak. Pa egzanp, nou gendwa wè l difisil pou n konprann pwennvi Jewova sou kesyon pwòpte nan domèn moral, materyalis, travay predikasyon an, mal sèvi ak san, oswa lòt bagay ankò. Ki sa n ka fè? Ki jan n ka kontinye pwogrese nan efò n ap fè pou n fè panse Bondye vin panse pa n? N ap ka fè sa lè n etidye Pawòl Bondye a nan objektif pou n konprann panse l yo, pou n medite sou yo, e pou n fè panse n vin ann amoni ak panse Bondye. w18.11 23-24 § 2-4.

Samdi 12 septanm

Konbyen tan pou m fè ap mande w sekou akoz vyolans ki genyen anvan w fè yon bagay? — Aba. 1:2.

Abakouk te viv nan yon epòk ki te difisil anpil. Li te tris anpil akoz li te antoure ak moun ki mechan e ki vyolan. Ki lè yo t ap sispann fè mechanste? Poukisa Jewova pran tout tan sa a anvan l aji? Tout sa Abakouk te wè se moun menm peyi avè l ki t ap fè lòt moun enjistis e ki t ap toupizi yo. Li te santi l san sekou. Se sa k fè nan peryòd fènwa sa a, li te priye Jewova pou l aji. Petèt Abakouk te kòmanse panse sa pa di Jewova anyen. Sanble Bondye pa t ap aji ase vit. Èske w konn santi w menm jan ak sèvitè Bondye sa a? Èske Abakouk te pèdi konfyans nan Jewova? Èske l te pèdi lafwa nan pwomès Bondye yo? Jamè! Lefètke se Jewova li te konfye pwoblèm li yo ak enkyetid li yo, se pa t lèzòm, sa montre li pa t pèdi espwa. Se sèten sa te bay Abakouk pwoblèm lefètke l pa t ka konprann poukisa Jewova t ap pran tan pou l aji oswa rezon ki fè Jewova te kite l nan sitiyasyon sa a ki t ap fè l soufri konsa. w18.11 14 § 4-5.

Dimanch 13 septanm

Sispann anpile trezò sou tè a. — Mat. 6:19.

Lè Jezi te mande Pyè ak Andre, de pechè pwason, pou yo vin “pechè moun”, yo te “abandone filè yo”. (Mat. 4:18-20.) Pifò nan moun ki aprann laverite jodi a pa ka annik vire do bay travay yo. Selon Bib la, yo gen responsablite (1 Tim. 5:8). Sepandan, moun ki aprann laverite yo dwe chanje ni pwennvi yo genyen sou byen materyèl ni bagay yo bay priyorite, e yo dwe fè sa souvan. Ann konsidere egzanp yon jèn fi ki rele Maria. Tout lavi l te santre sou jwe gòlf, e l te gen objektif pou l fè yon karyè ki bay lajan antanke jwè gòlf pwofesyonèl. Apre sa, Maria te kòmanse etidye Labib, e li te renmen verite li t ap aprann yo. Li te kontan wè chanjman laverite te ede l fè nan lavi l. Maria te rann li kont li t ap difisil pou l kouri dèyè richès espirityèl ak richès materyèl anmenmtan (Mat. 6:24). Li te abandone objektif li te genyen pou l vin yon jwè gòlf pwofesyonèl. L ap sèvi kòm pyonye kounye a e li fè konnen li gen “lavi ki bay plis kè kontan an e ki gen plis sans lan”. w18.11 5 § 9-10.

Lendi 14 septanm

Èske se pa bòs chapant lan, pitit gason Mari a? — Mak 6:3.

Lè Jezi te gen 30 an, li te depoze zouti li te konn fè travay chapant yo paske l te konnen vin yon sèvitè se te travay ki pi enpòtan. Li te fè konnen travay anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a se youn nan rezon ki fè Bondye te voye l sou tè a (Mat. 20:28; Lik 3:23; 4:43). Jezi te fè travay predikasyon an vin bagay ki pi enpòtan nan lavi l, e l te vle pou lòt moun vin jwenn li nan travay sa a (Mat. 9:35-38). Nou gendwa pa bòs chapant, men se sèten nou se minis bon nouvèl la. Travay sa a tèlman enpòtan Bondye patisipe ladan l. Yo rele nou “konpayon travay Bondye”. (1 Kor. 3:9; 2 Kor. 6:4.) Nou rekonèt “se tout pawòl [Jewova a] nèt ki laverite”. (Sòm 119:159, 160.) Se rezon sa a ki fè n vle asire n nou “manyen pawòl verite a kòrèkteman” nan travay predikasyon an (2 Tim. 2:15). Pou n atenn objektif sa a, nou kontinye amelyore kapasite nou nan fason n sèvi ak Bib la, ki se prensipal zouti nou itilize pou n anseye laverite sou Jewova, sou Jezi ak sou Wayòm nan. w18.10 11 § 1-2.

Madi 15 septanm

Ede moun ki fèb yo, e [...] sonje pawòl Seyè Jezi yo. — Tra. 20:35.

Lè yon mari konsidere Jezi Kris, chèf li, kòm yon modèl, l ap ede madanm li vin gen “gwo respè” pou li (Efe. 5:22-25, 33). Kòm rezilta, respè madanm nan gen pou mari l ap pouse l montre konsiderasyon pou li. Lè paran yo montre konsiderasyon youn pou lòt, yo bay timoun yo yon bèl egzanp pou yo suiv. Nòmalman, premye responsablite paran yo genyen se anseye pitit yo fason pou yo montre konsiderasyon pou lòt moun. Pa egzanp, paran yo ka anseye yo pou yo pa plede ap kouri nan Sal Wayòm nan. Nan aktivite nou òganize an gwoup, paran yo ka di timoun yo pou yo kite moun ki pi gran yo pran devan lè y ap fè liy pou y al manje. Lè yon timoun fè yon aksyon ki montre l gen konsiderasyon pou nou, petèt lè l ouvri yon pòt, nou dwe felisite l. Lè n fè sa, sa ka gen bon efè sou timoun nan, sa ka touche kè l pou l konnen “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. w18.09 29 § 5-6.

Mèkredi 16 septanm

Sèl Gid nou genyen se Kris. — Mat. 23:10.

Jan sa parèt nan fason Jezi Kris ap dirije a, antanke Wa Bondye nome, sa klè l ap travay pou lavni. Kidonk, annou rejwi pou byenfè n jwenn lefètke n adapte n ak chanjman ki fèk fèt yo. Nan adorasyon an fanmi, nou ka fè yon ti pale sou byenfè n jwenn grasa chanjman ki fèt nan reyinyon lasemèn yo oswa nan travay predikasyon an. Si n wè rezon ki fè òganizasyon Jewova a ban nou yon enstriksyon ak bonjan efè l gen sou nou, l ap pi fasil pou n suiv konsèy sa a ak kè kontan. Nou kontan lefètke yo redui kantite piblikasyon ki enprime yo piske sa fè n fè mwens depans, e lefètke yo sèvi ak nouvo teknoloji yo sa pèmèt travay Wayòm nan vanse sou tout tè a. Si sa posib, se pou n itilize piblikasyon elektwonik yo pi plis ansanm ak videyo ak anrejistreman odyo yo. N ap montre n gen menm sousi ak Kris pou n itilize resous òganizasyon an avèk sajès. Lè n suiv direksyon Kris ap bay ak tout kè n, nou fòtifye lafwa lòt moun e n kontribye pou gen tèt ansanm. w18.10 25-26 § 17-19.

Jedi 17 septanm

Piske nou gen anpil afeksyon pou nou, nou te byen deside pou nou ban nou nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou bay lavi nou. — 1 Tes. 2:8.

Lè n montre n gen tandrès menm jan ak Bondye, nou ka vin tounen repons priyè yon moun ki fè depresyon (2 Kor. 1:3-6). Sepandan, pa atann pou frè n ak sè n yo pafè. Chèche gen yon pwennvi ekilibre sou yo. Si n atann pou yo san defo, nou pap montre n rezonab e sa ap fè n dekouraje (Ekl. 7:21, 22). Sonje Jewova montre l rezonab nan sa l atann nan men sèvitè l yo. Si n suiv egzanp li, n ap prepare n pou n fè fas ak enpèfeksyon lòt moun (Efe. 4:2, 32). Olye n fè yo panse yo pa janm fè ase, chèche felisite yo pou sa yo fè. Sa ka ankouraje yo. Lè n felisite lòt moun ak tout kè n, sa ka fòtifye yo nan lanmou e sa ka ede yo jwenn yon “rezon pou [yo] rejwi” nan sèvis sakre y ap bay Bondye a. Li pi bon lontan lè n fè sa pase lè n chèche konpare yo ak lòt moun, sa ki kapab fè yo tris. — Gal. 6:4. w18.09 16 § 16-17.

Vandredi 18 septanm

Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a. — Jan 4:34.

Pou Jezi, manje espirityèl gen ladan l aji anba direksyon Bondye. Nan ki sans li tankou manje? Menm jan lè n manje yon bon ti manje sa fè kò nou satisfè e l vin pi anfòm, konsa tou, lè n patisipe nan fè volonte Bondye, kè nou vin djanm e lafwa nou genyen nan lavi ki pap janm fini an vin pi solid. Gen sajès vle di sitou met enstriksyon Bondye yo an pratik (Sòm 107:43). Byenfè n jwenn lè n aji avèk sajès montre sa vo lapenn pou n fè efò. Bib la di: “Pa gen anyen ou anvi genyen ki tankou l. [...] Li se yon pyebwa k ap bay moun ki kenbe l yo lavi, e moun ki kenbe l byen di yo ap kontan.” ​(Pwo. 3:13-18). Jezi te di: “Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo.” ​(Jan 13:17). Disip yo t ap toujou gen kè kontan si yo te kontinye fè sa Jezi te anseye yo pou yo fè. Yo pa t annik aksepte ansèyman ak egzanp li yo kòm yon repons yo te jwenn byen vit nan yon okazyon. Sa te vin fè pati lavi yo. w18.09 4 § 4-5.

Samdi 19 septanm

Bondye te vin kreye lòm pòtre ak li. — Jen. 1:27.

Bondye te bay de premye mesyedam yo yon seri enstriksyon ki te dwe fè yo panse ak byennèt lòt moun, menm lè se yo sèl ki te nan jaden Edenn nan. Jewova te beni Adan ak Èv e l te ankouraje yo pou yo fè pitit, pou yo plen tè a ak moun, e pou yo gen pouvwa sou tè a (Jen. 1:28). Menm jan Kreyatè a te enterese anpil nan byennèt kreyasyon l lan, premye paran nou yo te dwe enterese nan byennèt pitit yo t apral fè yo. Paradi a te dwe gaye sou tout tè a pou byenfè desandan Adan yo. Yon gwo pwojè konsa t ap mande pou fanmi sa a ki t ap kontinye vin pi plis la kowopere avè l. Pou gason ak fi ki pafè, travay pou fè tè a vin yon paradi t ap vle di kowopere nèt ak Jewova pou l reyalize objektif li genyen yo, konsa, yo t ap antre nan repo l la (Ebre 4:11). Imajine jan pwojè sa a t ap pote satisfaksyon ak byenfè! Lefètke yo t ap bay tout yo menm pou byennèt lòt moun sa t ap fè yo jwenn anpil benediksyon ak yon kokenn satisfaksyon. w18.08 18 § 2; 19-20 § 8-9.

Dimanch 20 septanm

Monwa, mèt mwen, li vin di w move pawòl sou mwen. — 2 Sam. 19:27.

E si yon moun akize w pou yon bagay ou pa fè? Jezi ak Jan ki te konn batize moun nan te fè fas ak yon difikilte konsa (Mat. 11:18, 19). Ki jan Jezi te reyaji lè moun te bay move enfòmasyon sou li? Li pa t itilize tout tan l ak enèji l nan defann tèt li. Okontrè, li te ankouraje moun yo pou yo chèche konnen sa l te fè ak sa l te anseye. Jan Jezi te di sa, “se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès”. (Mat. 11:19, nòt). Gen yon leson enpòtan l ap bon pou n aprann la a. Pafwa, moun yo ka di bagay ki pa jis oswa ki grav sou nou. Nou ka swaf jwenn jistis e n ta swete kapab fè yon bagay pou repare dega sa lakòz sou repitasyon nou. Sepandan, gen yon bagay nou ka fè. Si yon moun ap gaye manti sou nou, nou ka viv yon fason k ap fè okenn moun pa kwè manti sa a. Vrèmanvre, jan egzanp Jezi montre sa, konduit dwat nou genyen antanke kretyen an ka efase fo akizasyon yo lage sou nou. w18.08 6 § 11-13.

Lendi 21 septanm

Nou dwe gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an. Se li menm pou nou sèvi, se pou nou rete atache avè l. — Det. 10:20.

Istwa Bib la rakonte konsènan Kayen, Salomon ak Izrayelit ki te devan Mòn Sinayi yo gen menm pwen enpòtan an nan yo chak. Chak moun sa yo te gen opòtinite pou yo “repanti, [e pou yo] kase tèt tounen”. (Tra. 3:19.) Sa klè, Jewova pap kouri abandone moun ki fè yon fo pa. Nan ka Arawon, Jewova te padone l. Jodi a, nou ka jwenn avètisman Jewova bay pa mwayen istwa ki nan Bib la, piblikasyon ki baze sou Bib la oswa bonjan konsèy yon kretyen parèy nou ban nou. Lè n koute avètisman sa yo, nou gen asirans Jewova ap fè n mizèrikòd. Favè san parèy Jewova fè nou an gen yon objektif (2 Kor. 6:1). Grasa favè sa a, nou gen posiblite pou n “rejte konduit ki dezonore Bondye [ak] dezi ki nan monn nan”. (Tit 2:11-14.) Toutotan n ap viv “nan sistèm sa a”, n ap gen pou n fè fas ak sitiyasyon k ap pase atachman nou gen pou Jewova sèlman an anba eprèv. Kidonk, se pou n toujou pare pou n pran pozisyon fèm pou Jewova. w18.07 21 § 20-21.

Madi 22 septanm

Jewova konnen moun ki pou li yo. — 2 Tim. 2:19.

Ki jan n ka chèche gen plis detèminasyon pou n jwenn apwobasyon Jewova olye n chèche jwenn apwobasyon monn nan? Pou n fè sa, nou bezwen sonje de bagay enpòtan. Premyèman, Jewova toujou bay moun k ap sèvi l fidèlman yo apwobasyon l (Ebre 6:10; 11:6). Li apresye chak sèvitè l yo anpil, e l wè sa “enjis” pou l ta bliye moun ki fidèl anvè l yo. Li “konnen chemen moun ki jis yo” e l konn ki jan pou l delivre yo anba eprèv (Sòm 1:6; 2 Pyè 2:9). Dezyèm bagay ki enpòtan: Nou ka jwenn apwobasyon Jewova yon seri fason nou ka pa t janm atann. Bib la fè konnen moun k ap fè bon aksyon jis pou fè moun wè yo pap jwenn okenn rekonpans nan men Jewova. Poukisa? Se paske yo deja jwenn tout rekonpans yo (Mat. 6:1-5). Sepandan, Jezi te di Papa l “ki wè sa k fèt an sekrè” wè ki moun ki pa jwenn lwanj pou bon bagay yo fè pou lòt moun. Li wè aksyon sa yo e l rekonpanse chak moun selon sa yo fè. w18.07 9 § 8, 10.

Mèkredi 23 septanm

Sispann di bagay Bondye pirifye se bagay ki kontamine. — Tra. 10:15.

Pyè pa t ka konprann sa vwa a t ap eseye di l la. Nan menm moman an, mesaje Kònèy te voye yo vin parèt. Apre lespri sen te fin bay Pyè enstriksyon, Pyè te leve e l t ale ak mesaje yo lakay Kònèy. Si Pyè te annik jije sou aparans, li pa t ap janm antre lakay Kònèy. Juif yo te jis pa t konn antre lakay moun lòt nasyon. Ki sa k te fè Pyè chanje malgre l te gen prejije ki te anrasinen byen fon nan li? Vizyon Pyè te fè a ak asirans li te vin genyen grasa lespri sen te gen yon gwo efè sou li. Apre Pyè te fin tande Kònèy, sandout sa Pyè te tande a te touche l, e men sa l te di anba direksyon lespri sen: “Vrèmanvre, mwen rann mwen kont Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” ​(Tra. 10:34, 35). Ala yon nouvo konpreyansyon ki enteresan Pyè te vin genyen, yon konpreyansyon ki gen gwo enpak! w18.08 9 § 3-4.

Jedi 24 septanm

Rayi sa ki mal. — Amòs 5:15.

L ap bon pou n evite bagay Bondye rayi yo. Men, gen lòt aktivite oswa lòt domèn nan lavi a kote Ekriti yo pa bay okenn kòmandman byen klè sou yo. Nan ka sa yo, ki jan n ka rive wè ki sa k akseptab nan je Bondye e ki fè l plezi? Se nan domèn sa yo konsyans nou ki fòme grasa Bib la dwe aji. Avèk lanmou, Jewova ban nou yon seri prensip e konsyans nou ki fòme grasa Bib la aji ann amoni ak prensip sa yo. Men sa Jewova di: “Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a.” ​(Eza. 48:17, 18). Lè n sèvi ak lespri n ansanm ak kè n pou n rezone sou prensip ki nan Bib la, nou korije konsyans nou, nou ba l direksyon epi nou fòme l. Kòm rezilta, li ede n pran bon desizyon. Yon prensip se yon verite fondamantal oswa yon doktrin yo itilize kòm baz pou fè yon rezònman oswa yon aksyon. Pou n konprann yon prensip, sa mande pou n konprann panse Sila a ki bay lwa yo ak rezon ki fè l bay yon seri lwa. w18.06 17 § 5; 18 § 8-10.

Vandredi 25 septanm

Èske yon moun dwe peye enpo Seza egzije pou chak moun peye a, oubyen èske l pa dwe peye l? — Mat. 22:17.

Patizan Ewòd yo ki te soulve kesyon sa a te espere si Jezi pa t dakò pou yo peye taks la, yo t ap ka akize l kòmkwa l ap fè soulèvman. Si Jezi te di taks la se yon chay yo dwe aksepte, moun ki t ap suiv li yo te ka sispann soutni l. Jezi te pran prekosyon pou l ret net sou kesyon peye taks la. Nòmalman, Jezi te konnen pèseptè yo te nan koripsyon. Men, Jezi pa t vle sa distrè l, sa ki t ap fè l bliye kesyon ki pi enpòtan an, anpalan de Wayòm Bondye a ki te vrè solisyon an. Konsa, li kite yon egzanp pou tout disip li yo. Yo dwe evite antre nan politik, menmsi koz moun yo ap defann nan ta sanble kòrèk oswa jis. Kretyen yo chèche Wayòm Bondye a e yo chèche fè sa ki jis nan je Bondye. Yo fè sa olye yo chèche bay opinyon pèsonèl yo sou yon seri bagay ki pa jis k ap fèt oswa pou yo ta pale yon fason negatif sou yo (Mat. 6:33). Gen anpil Temwen Jewova ki rive rejte yon seri ide politik yo te genyen lontan. w18.06 6 § 9-11.

Samdi 26 septanm

Pitit vrè Dye a [...] te kòmanse wè pitit fi lèzòm yo bèl. — Jen. 6:2.

Lè Satan t ap tante zanj ki pa fidèl yo, sanble l te pwomèt yo l ap ba yo pouvwa sou lèzòm. Sanble objektif li se te anpeche ‘desandans fi a’ Bondye te pwomèt la vin parèt (Jen. 3:15). Antouka, Jewova te anpeche tout konplo sa yo rive nan bout yo lè l te fè delij la, yon bagay ki te kontrekare tout efò Satan ak zanj rebèl yo t ap fè nan moman sa a. Nou pa dwe janm souzestime nan ki pwen imoralite ka rale moun oswa jan egoyis se yon danje. Zanj ki te pran pozisyon pou Satan yo t ap fè sèvis yo devan Bondye pandan yon kantite tan nou pa ka konte. Sepandan, menm lè yo te nan yon bon anviwònman, anpil nan yo te kite move dezi pran rasin epi grandi nan yo. Menm jan an tou, nou ka gen plizyè dizèn ane depi n ap sèvi nan pati òganizasyon Bondye a ki sou tè a. Epoutan, menm nan yon anviwònman espirityèl ki pwòp konsa, move dezi ka pran rasin nan nou (1 Kor. 10:12). Se pa ti enpòtan l enpòtan pou n toujou ap egzamine kè n, pou n rejte tout panse ki imoral ak tout fyète ki pa kòrèk! — Gal. 5:26; Kol. 3:5. w18.05 25 § 11-12.

Dimanch 27 septanm

Nan kè m, mwen gen yon gwo tristès ak yon lapenn ki pa janm pase. — Wom. 9:2.

Pòl te santi l dekouraje akoz Juif yo te mal reyaji devan mesaj Wayòm nan. Malgre sa, li pa t vag sou yo. Remake sa l te di ankò nan yon lèt li te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo konsènan santiman l genyen pou Juif sa yo: “An reyalite, sa m swete nan kè m e sa m mande Bondye pou yo nan siplikasyon m ap fè, se pou yo sove. Paske, men temwayaj m ap bay sou yo: Yo chofe pou yo sèvi Bondye, men se pa ann amoni ak konesans egzak la.” ​(Wom. 10:1, 2). Pòl te bay rezon ki fè l te kontinye preche Juif yo. Li te fè sa paske se “sa [li te] swete nan kè [l]”. Li te swete nan kè l pou kèk Juif te jwenn delivrans (Wom. 11:13, 14). Li te sipliye Bondye nan lapriyè pou l ede Juif yo aksepte mesaj Wayòm nan. Men sa Pòl te ajoute: “Yo chofe pou yo sèvi Bondye.” Li te wè yon bagay ki bon lakay moun yo. Lè moun ki sensè yo chofe pou yo sèvi Bondye, si yo jwenn bonjan direksyon, y ap ka vin chofe antanke disip Kris, menm jan Pòl te byen konn sa. w18.05 13 § 4; 15-16 § 13-14.

Lendi 28 septanm

[Di] pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo. — Efe. 4:29.

Nou chak ta dwe chèche wè ki lè l “nesesè” pou n ankouraje lòt moun. Men konsèy Pòl te bay kretyen ebre yo: “Se pou nou fòtifye men ki pandye yo ak jenou ki febli yo, epi kontinye fè chemen yo dwat pou pye nou, pou pye k ap bwete a pa dejwente, men pito pou l ka geri.” ​(Ebre 12:12, 13). Nou tout nèt, san wete jèn yo, ka fòtifye youn lòt grasa pawòl ankourajan nou di. Men konsèy Pòl te bay: “Si nan mitan nou gen ankourajman nan Kris, gen konsolasyon nan lanmou, youn montre li gen sousi pou lòt, gen afeksyon ki sot nan fon kè e gen konpasyon, fè kè m kontan nèt lè nou gen menm panse, menm lanmou, lè nou byen ini, lè nou kenbe yon sèl panse nan lespri nou. Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” — Flp. 2:1-4. w18.04 22 § 10; 23 § 12.

Madi 29 septanm

Tankou moun ki lib [...] sèvi [ak libète nou] antanke esklav Bondye. — 1 Pyè 2:16.

Vrè rezon ki fè Jewova sèvi ak Jezi pou libere n anba lwa peche ak lanmò a se pou n ka viv “antanke esklav Bondye” ki vwe lavi n ba li. Pi bon fason pou n fè efò pou n pa mal sèvi ak libète n genyen an, e konsa nou pap retounen vin esklav anbisyon ak dezi ki gen nan monn sa a, se lè n plonje nèt nan bagay espirityèl yo (Gal. 5:16). Pa egzanp, ann fè yon ti pale konsènan patriyach Noye ak fanmi l. Yo t ap viv nan yon monn ki te chaje vyolans ak imoralite. Aktout sa, yo pa t kite dezi moun ki te toutotou yo ansanm ak objektif moun sa yo te genyen fè yo vin esklav. Ki sa k te ede yo? Yo te chwazi ret okipe nan tout sa Jewova te ba yo fè, anpalan de konstwi lach la, met manje nan depo pou yo menm ansanm ak bèt yo epi avèti lòt moun yo. “Noye te fè tout sa Bondye te ba l lòd fè. Se egzakteman sa l te fè.” ​(Jen. 6:22). Ki rezilta sa te bay? Noye ak fanmi l te chape lè Jewova te detwi monn sa a. — Ebre 11:7. w18.04 10 § 8; 11 § 11-12.

Mèkredi 30 septanm

M ap ba w tout pouvwa sa a ak tout glwa wayòm sa yo genyen, paske yo ban mwen pouvwa sa a e mwen bay moun mwen vle l. — Lik 4:6.

Nonsèlman Satan ak demon yo sèvi ak gouvènman yo, men tou, yo sèvi ak fo relijyon ansanm ak sistèm komèsyal la pou yo twonpe “lemonnantye”. (Rev. 12:9.) Satan sèvi ak fo relijyon pou l simaye manti sou Jewova. Anplis de sa, sanble Dyab la detèmine pou l fè kantite moun li kapab bliye non Bondye (Jer. 23:26, 27). Kòm konsekans, gen anpil moun sensè ki panse y ap adore Bondye alòske se demon y ap adore (1 Kor. 10:20; 2 Kor. 11:13-15). Mete sou sa, Satan sèvi ak sistèm komèsyal la pou l gaye manti. Pa egzanp, byen souvan, sistèm sa a anseye moun yo pi bon fason pou yo gen kè kontan se lè yo chèche fè lajan e lè yo gen anpil byen (Pwo. 18:11). Moun ki kwè nan manti sa a pase tout vi yo kòm esklav “Lajan” olye yo sèvi Bondye (Mat. 6:24). Finalman, lanmou yo gen pou bagay materyèl ka toufe kèlkeswa lanmou yo te gen pou Bondye. — Mat. 13:22; 1 Jan 2:15, 16. w18.05 23 § 6-7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje