BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es20 p. 98-108
  • Oktòb

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Oktòb
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2020
  • Soutit
  • Jedi 1ye oktòb
  • Vandredi 2 oktòb
  • Samdi 3 oktòb
  • Dimanch 4 oktòb
  • Lendi 5 oktòb
  • Madi 6 oktòb
  • Mèkredi 7 oktòb
  • Jedi 8 oktòb
  • Vandredi 9 oktòb
  • Samdi 10 oktòb
  • Dimanch 11 oktòb
  • Lendi 12 oktòb
  • Madi 13 oktòb
  • Mèkredi 14 oktòb
  • Jedi 15 oktòb
  • Vandredi 16 oktòb
  • Samdi 17 oktòb
  • Dimanch 18 oktòb
  • Lendi 19 oktòb
  • Madi 20 oktòb
  • Mèkredi 21 oktòb
  • Jedi 22 oktòb
  • Vandredi 23 oktòb
  • Samdi 24 oktòb
  • Dimanch 25 oktòb
  • Lendi 26 oktòb
  • Madi 27 oktòb
  • Mèkredi 28 oktòb
  • Jedi 29 oktòb
  • Vandredi 30 oktòb
  • Samdi 31 oktòb
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2020
es20 p. 98-108

Oktòb

Jedi 1ye oktòb

Kriye ak moun k ap kriye. — Wom. 12:15.

Nou pa ka li kè moun, men Jewova ak Jezi kapab. Aktout sa, nou ka eseye konprann santiman lòt moun ak bezwen yo (2 Kor. 11:29). Kontrèman ak monn egoyis ki antoure nou an, nou fè efò pou nou “pa chèche enterè pa nou sèlman, men [pou] nou chèche enterè pa lòt moun tou”. (Flp. 2:4.) Se sitou ansyen yo nan kongregasyon an ki bezwen montre konsiderasyon pou santiman lòt moun. Yo konnen yo gen kont pou yo rann Jewova pou mouton li ba yo responsab yo (Ebre 13:17). Pou ansyen yo ede kwayan parèy yo, yo bezwen montre yo gen konsiderasyon. Ki jan ansyen yo ka montre konsiderasyon pou santiman lòt moun? Yon ansyen ki gen konsiderasyon pase tan ak frè ak sè yo. Li poze kesyon epi li koute avèk atansyon e avèk pasyans. Sa enpòtan sitou si youn nan mouton sa yo vle vide kè l, men l pa jwenn sa pou l di (Pwo. 20:5). Lè yon ansyen dispoze bay frè ak sè yo tan l, sa fè yo vin fè l plis konfyans, yo vin zanmi l e yo renmen l. — Tra. 20:37. w19.03 17 § 14-17.

Vandredi 2 oktòb

Tankou pòm annò nan kabare ki fèt ann ajan, se konsa pawòl moun di nan bon moman ye. — Pwo. 25:11.

Rekonesans se tankou yon bon manje: ou santi w pi kontan lè w pataje l ak lòt moun. Lè nou santi lòt moun gen rekonesans pou sa nou fè, nou kontan. Lè nou demontre rekonesans, nou fè lòt moun kontan. Moun nou montre nou gen rekonesans pou li a konnen nou te apresye efò l te fè pou l ede nou an, oswa pou l ban nou yon bagay nou te bezwen. Sa vin fè amitye ki gen ant nou menm ak moun sa a vin pi solid. Lè nou montre nou gen rekonesans, sa gen anpil valè, jan sa parèt nan tèks pou jounen an. Imajine jan yon pòm ki fèt annò ki nan yon kabare ann ajan dwe bèl! Epi imajine jan se yon bagay ki dwe gen anpil valè! Ki jan w t ap santi w si yo ta ba w yon kado konsa? Ebyen, pawòl ou di lòt moun pou w montre rekonesans ou ka gen valè menm jan an. Epi, ann fè yon ti reflechi: Yon pòm ki fèt annò ka dire anpil tan. Menm jan an tou, lè w demontre rekonesans, sa ka fè moun nan sonje sa pandan tout vi l e l ap apresye sa anpil. w19.02 15 § 5-6.

Samdi 3 oktòb

Lòm vin menm jan ak nou, paske li vin konnen sa ki byen ak sa ki mal. — Jen. 3:22.

Lè Adan ak Èv te manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, yo te voye yon mesaj klè: Yo pa t fè ni Jewova ni prensip li yo konfyans. Yo te chwazi etabli pwòp prensip pa yo sou sa ki byen ak sa ki mal. Men, nou ka wè sa yo te pèdi. Yo te pèdi bon relasyon yo te gen ak Jewova a. Epitou, yo te pèdi posiblite pou yo viv pou toutan, e yo te transmèt peche ak lanmò bay pitit yo te vin genyen yo (Wom. 5:12). Annou konpare fason Adan ak Èv te aji a ak fason Etyopyen ki te gen gwo pozisyon an te reyaji lè Filip te preche l la. Mesye a te tèlman gen rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou li, sa te pouse l batize tousuit (Tra. 8:34-38). Lè nou vwe Bondye lavi nou e nou batize, menm jan ak Etyopyen an, nou montre aklè nou gen rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou nou. Nou montre tou nou gen konfyans nan Jewova e nou rekonèt se li menm ki gen dwa etabli prensip sou sa ki byen ak sa ki mal. w19.03 2 § 1-2.

Dimanch 4 oktòb

Mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye! — Jòb 27:5.

Lè mo fidelite a gen rapò avèk sèvitè Bondye yo, li vle di lanmou nou gen pou Jewova ak tout kè nou antanke yon Moun toutbon, ak atachman san pataj nou gen pou li. Se volonte l nou met an premye nan tout desizyon n ap pran. Youn nan sans fondamantal mo “fidelite” a gen nan Bib la se: konplè, ki pa gen okenn domaj oswa antye. Pa egzanp, bèt Izrayelit yo t ap ofri Jewova kòm sakrifis yo pa t dwe gen okenn domaj (Lev. 22:21, 22). Moun nan pèp Bondye a pa t dwe ofri yon bèt ki manke yon pye, yon zòrèy oswa yon je. Yo pa t gendwa ofri yon bèt malad. Se te yon bagay enpòtan pou Jewova pou bèt yo t ap ofri a te konplè, pou l pa t gen okenn domaj oswa pou l te antye (Mal. 1:6-9). Nou ka konprann rezon ki fè Jewova te mande pou bèt yo pa gen okenn domaj oswa pou yo konplè. Lè n ap achte yon fwi, yon liv oswa yon zouti, nou pa ta renmen l gen twou oswa l manke moso. Nou ta renmen l konplè, li pa gen okenn domaj oswa li antye. Se menm bagay la Jewova ta renmen anrapò ak lanmou ak fidelite nou dwe demontre pou li. w19.02 3 § 3.

Lendi 5 oktòb

Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo! Mwen reflechi sou yo tout lajounen. — Sòm 119:97.

Pou nou pwoteje kè nou nou pa dwe annik anpeche move bagay antre ladan l, nou dwe kite bon bagay antre ladan l tou. Nan tan lontan, nan vil ki gen miray toutotou yo, moun k ap veye pòtay vil la gendwa fèmen pòtay vil la pou anpeche ènmi yo rantre nan vil la, men nan lòt sikonstans, li gendwa ouvri pòtay la pou manje ak lòt bagay antre nan vil la. Si pòtay yo pa t janm ouvri, moun anndan vil la te ka mouri grangou. Se konsa tou, nou bezwen ouvri kè nou regilyèman pou panse Bondye ka rantre ladan l. Bib la gen panse Jewova ladan l, donk, chak fwa nou li l, nou pèmèt panse Jewova gen efè sou fason nou panse, sou santiman nou ak aksyon nou. Ki jan n ka pi byen pwofite lekti Labib nou? Li enpòtan anpil pou nou priye pou ede n ‘wè bèl bagay’ ki gen nan Pawòl li.” ​(Sòm 119:18). Mete sou sa, nou bezwen medite sou sa nou li yo. Lè nou priye, lè nou li Pawòl Bondye a e nou medite sou li, sa fè l antre “nan fon kè” nou e nou vin renmen panse Jewova yo. — Pwo. 4:20-22. w19.01 18 § 14-15.

Madi 6 oktòb

Annou toujou bay Bondye louwanj kòm sakrifis. — Ebre 13:15.

Jewova konnen nou tout pa gen menm kapasite e nou pa nan menm sitiyasyon. Se sa k fè li bay sakrifis nou fè yo anpil valè. Fè yon ti reflechi sou divès kalite sakrifis li te aksepte nan men Izrayelit yo. Gen nan yo ki te ka ofri yon mouton oswa yon kabrit. Yon Izrayelit ki te pòv te ka ofri “de toutrèl oswa de jenn pijon”. E si yon Izrayelit pa t gen mwayen pou l achte de zwazo, Jewova te aksepte l bay “yon dizyèm efa bon farin”. (Lev. 5:7, 11.) Farin te pi bon mache, men Jewova te apresye sakrifis sa a kanmenm, depi se te “bon farin”. Bondye nou an ki gen bonte santi l menm jan an jodi a. Lè n ap fè kòmantè, li pa egzije pou nou tout pale byen menm jan ak Apolòs oswa pou nou konvenk moun menm jan ak Pòl (Tra. 18:24; 26:28). Sa Jewova vle se pou nou fè pi bon kòmantè nou ka fè a, selon limit nou. Sonje egzanp vèv ki te bay de ti pyès monnen yo. Jewova te bay dam nan anpil valè paske li te bay sa l te genyen ki te pi bon an. — Lik 21:1-4. w19.01 8-9 § 3-5.

Mèkredi 7 oktòb

Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen. — Mat. 10:22.

Antanke disip Kris nou atann pou yo rayi nou. Jezi te fè disip li yo konnen yo t ap jwenn gwo pèsekisyon nan dènye jou yo (Mat. 24:9; Jan 15:20). Pwofesi Ezayi a avèti nou, li fè nou konnen se pa rayi ènmi nou yo t ap rayi nou sèlman, yo t ap sèvi ak tout kalite zam kont nou. Pami zam sa yo gen manti anba anba, manti kri ak gwo pèsekisyon (Mat. 5:11). Jewova pap anpeche ènmi nou yo sèvi ak zam sa yo pou atake nou (Efe. 6:12; Rev. 12:17). Men, nou pa bezwen pè. Jewova fè konnen “nenpòt zam” yo itilize kont nou “pap itil anyen”. (Eza. 54:17.) Menm jan yon miray se yon pwoteksyon k ap anpeche yon gwo tanpèt ban nou pwoblèm, se konsa Jewova ap pwoteje nou pou “moun ki san pitye [ki] vin an kòlè” yo pa fè nou mal (Eza. 25:4, 5). Ènmi nou yo pap janm ka fè anyen k ap anpeche nou gen lavi ki pap janm fini an (Eza. 65:17). “Y ap detwi” tout moun ki ènmi Bondye yo e “yo pap egziste ankò”. — Eza. 41:11, 12. w19.01 6-7 § 13-16.

Jedi 8 oktòb

Kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète. — 2 Kor. 3:17.

Jèn, Jewova renmen libète, e li fè nou gen lanmou sa a tou. Men, li vle w byen sèvi ak libète w, e se yon pwoteksyon pou ou. Petèt ou konnen kèk jèn ki gade pònografi, ki fè imoralite seksyèl, ki riske lavi yo lè yo pratike spò ki danjere anpil, ki pran dwòg oubyen ki bwè anpil bwason ki gen alkòl. Se sèten yo ka kontan oswa yo ka pran plezi yo pandan kèk moman. Men, byen souvan, yo peye sa byen chè, pafwa yo vin malad, yo vin esklav sa y ap fè a oswa yo konn menm mouri (Gal. 6:7, 8). Vrèmanvre, swadizan libète yo genyen an konn fè yo soufri anpil e sa konn mennen nan desepsyon (Tit 3:3). Konbyen moun ou konnen ki te vin malad paske yo te suiv prensip ki nan Bib la? Sa klè, lè nou obeyi Jewova nonsèlman sa bon pou sante nou men sa libere nou (Sòm 19:7-11). Mete sou sa, lè w byen sèvi ak libète w genyen an toutpandan w respekte lwa ak prensip pafè Bondye bay yo, ou montre Bondye ansanm ak paran w yo ou merite pou yo ba w plis libète. — Wom. 8:21. w18.12 22-23 § 16-17.

Vandredi 9 oktòb

Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e y ap vin yon sèl chè. — Jen. 2:24.

Peche Adan an te vin lakòz kèk chanjman. Youn nan yo se lanmò, paske lanmò gen efè sou maryaj. Nou ka wè sa nan pawòl apot Pòl te ekri lè l te di kretyen yo pa anba Lalwa Moyiz la. Li te fè konnen lanmò met fen nan maryaj, e moun ki vivan an te ka remarye annapre (Wom. 7:1-3). Lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la te bay yon seri detay sou maryaj. Li te pèmèt yon gason gen plizyè madanm. E pratik sa a te la depi anvan Bondye te bay Lalwa pou pèp Izrayèl la. Men, lefètke yo te bay règ sou sa, sa te anpeche moun fè abi. Pa egzanp, si yon Izrayelit te marye ak yon esklav, apre sa li te vin gen yon dezyèm madanm, li pa t dwe diminye sou sa l te konn bay premye madanm nan, tankou manje, rad ak afeksyon li te dwe ba li antanke mari. Bondye te mande pou l pwoteje madanm nan e pou l pran swen l (Egz. 21:9, 10). Nou pa anba Lalwa, men Lalwa fè nou wè jan Jewova bay maryaj enpòtans. Èske sa pa ede w gen anpil respè pou maryaj? w18.12 10 § 3; 11 § 5-6.

Samdi 10 oktòb

Nou pap kwè menmsi yo rakonte nou li. — Aba. 1:5.

Apre Abakouk te fin kite enkyetid ak sousi l yo nan men Jewova, li te gendwa ap mande tèt li ki jan Jewova t ap reyaji. Antanke yon Papa ki konn mete l nan plas moun e ki konprann moun, Jewova pa t reprimande l paske l t ap plenyen. Bondye te konnen se paske l t ap soufri e l te nan lapenn ki fè l te pale konsa. Nan pawòl Jewova te di yo, li te fè Abakouk konnen sa k t apral rive anvan lontan. Sanble Abakouk se premye moun Jewova te fè konnen epòk vyolan sa a te prèske rive nan bout li. Jewova te montre Abakouk Li te pare pou l aji. Destriksyon jenerasyon sa a ki vyolan e ki mechan te prèske rive. Jewova te sèvi ak ekspresyon “pandan nou vivan an” pou l montre jijman l lan t ap rive pandan pwofèt la oswa moun ki t ap viv nan menm epòk ak pwofèt la te toujou vivan. Repons Jewova te bay la se yon repons Abakouk pa t ap atann ditou. Èske se te repons rèl li te fè pou l montre l pa ka tann ankò a? Se sèten, sa Jewova te di l la te montre t ap vin gen plis soufrans nan tout Jida. w18.11 15 § 7-8.

Dimanch 11 oktòb

[Bondye] vle pou tout kalite moun sove e [li] vle yo gen yon konesans egzak sou laverite. — 1 Tim. 2:4.

Ki jan w wè pakèt moun ki poko aprann laverite yo? Byenke apot Pòl te konn al nan sinagòg yo pou l jwenn moun ki te deja konn kèk bagay sou Bondye, se sèten l pa t annik chèche jwenn moun ki Juif. Pa egzanp, nan premye vwayaj Pòl te fè antanke misyonè, moun ki pale lang likawónyen yo te pran li menm ak Banabas pou dye paske yo te panse se Zes ak Èmès, fo dye yo te genyen yo, ki pran fòm kò moun. Èske Pòl ak Banabas te eseye pwofite okazyon an pou yo vin popilè? Èske sa pa t sanble yon soulajman pou yo apre tout pèsekisyon yo te andire nan de dènye vil yo te sot vizite yo? Èske yo te panse piblisite sa a te ka ede bon nouvèl la gaye plis toujou? Non! San pèdi tan, yo te montre yo pa dakò lè yo te chire rad sou yo, yo vòltije antre nan foul la e yo rele byen fò: “Sa n ap fè konsa a [...]? Nou menm tou, nou se moun ki gen menm feblès ak nou.” — Tra. 14:8-15. w18.09 4-5 § 8-9.

Lendi 12 oktòb

Èske se konnen nou pa konnen moun ki enjis yo pap benefisye Wayòm Bondye a? [...] Epoutan, se sa kèk nan nou te ye. Men, yo lave nou. [...] Yo deklare nou jis. — 1 Kor. 6:9, 11.

Pou n aksepte laverite e pou n viv ann amoni ak prensip moral ki nan Bib la, nou dwe dispoze fè kèk chanjman nan panse nou ak nan konduit nou. Gade ki sa apot Pyè te ekri konsènan chanjman sa yo: “Tankou timoun ki obeyisan, sispann aji selon dezi nou te genyen anvan yo, lè nou te nan inyorans. Men, se pou nou vin sen nan tout konduit nou.” ​(1 Pyè 1:14, 15). Pou moun ki t ap viv nan vil Korent yo, yon vil ki te kòwonpi nan domèn moral, achte laverite te vle di pou yo fè yon seri gwo chanjman nan fason yo t ap viv. Menm jan an tou, jodi a, pou anpil moun kapab achte laverite, yo vire do bay yon seri konduit ki pa fè Bondye plezi. Men sa Pyè te fè kretyen nan epòk li a sonje: “Tan nou te pase ap fè volonte nasyon yo sifi. Lè sa a, nou te lage kò nou nan konduit derespektan, nan pasyon, nan bwè twòp bwason ki gen alkòl, nan banbòch, nan gagòt bwason ak nan idolatri, yon bagay ki repiyan.” — 1 Pyè 4:3. w18.11 6 § 13.

Madi 13 oktòb

Tout moun ki te nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an te vin kwè. — Tra. 13:48.

Ki jan n ka konnen ki moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”? Menm jan sa te ye nan premye syèk la, sèl fason pou n jwenn moun sa yo se lè n bay temwayaj. Se sa k fè, nou bezwen fè jan Jezi te ban nou lòd fè a, lè l te di: “Nan kèlkeswa vil oswa bouk nou antre, chèche yon moun ladan l ki dispoze akeyi nou.” ​(Mat. 10:11). Nou pa atann pou moun ki pa sensè, ki gen ògèy, oubyen ki pa enterese nan bagay espirityèl byen reyaji devan bon nouvèl la. N ap chèche moun ki onèt, ki gen imilite e ki swaf laverite. Nou ka konpare rechèch sa a ak sa Jezi dwe te fè antanke bòs chapant lè l t ap chèche bon moso bwa pou l fè mèb, pòt, jouk oswa lòt bagay ankò. Yonfwa l fin jwenn bwa li t ap chèche a, li te ka pran bwat zouti l, li sèvi ak entèlijans li pou l fè sa l te vle fè a. Nou dwe fè menm jan an lè n ap fè tout sa n kapab pou n fè moun ki gen bon kè yo vin disip. — Mat. 28:19, 20. w18.10 12 § 3-4.

Mèkredi 14 oktòb

Filip te desann nan vil Samari, e li te kòmanse preche moun yo konsènan Kris la. — Tra. 8:5.

Filip kite yon bèl egzanp antanke moun ki te ret konsantre sou sèvis li t ap bay Bondye malgre sitiyasyon yo t ap chanje. Apre lanmò Etyèn, te vin gen yon gwo pèsekisyon nan vil Jerizalèm. Nan epòk sa a, Filip te gen yon nouvo responsablite nan sèvis Bondye a ki te ba l kè kontan (Tra. 6:1-6). Men, lè disip Kris yo te gaye toupatou, Filip pa t ka annik ret ap gade san l pa fè anyen. Li t al preche nan Samari, yon vil kote anpil moun potko tande bon nouvèl la nan epòk sa a (Mat. 10:5; Tra. 8:1). Filip te dispoze ale nenpòt ki kote lespri sen Bondye te voye l, konsa, Jewova te sèvi avè l pou l preche nan yon seri nouvo tèritwa. Piske l pa t gen patipri, petèt sa te ankouraje moun Samari yo, yon seri moun Juif yo te gen abitid meprize. Nou pa sezi dèske foul moun yo te “ret ansanm” pou yo koute l (Tra. 8:6-8). Filip te ret konsantre sou sèvis li t ap bay Bondye a, kòm rezilta, Jewova te beni li menm ak fanmi l anpil. — Tra. 21:8, 9. w18.10 30 § 14-16.

Jedi 15 oktòb

Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou. — Ebre 10:24.

Yon lè, pandan Jezi te nan rejyon Dekapòl, moun yo te “mennen yon mesye ki soud e ki gen lang lou ba li”. (Mak 7:31-35.) Olye Jezi geri mesye a devan tout moun, li “deplase ak mesye a” epi l geri l. Poukisa? Andikap mesye a te genyen yo te ka fè l santi l pa alèz nan mitan yon foul moun. Petèt Jezi te santi sa e l te geri l an prive. Nòmalman, nou pa ka fè mirak pou n geri moun. Men, nou kapab gen konsiderasyon pou bezwen ak santiman adoratè parèy nou yo e n dwe fè sa. Jezi te konprann fason yon mesye ki soud te santi l e l te montre konsiderasyon pou li. Menm jan an tou, nou ta dwe montre konsiderasyon pou granmoun ak moun ki enfim. Yo pa rekonèt kongregasyon kretyen an pou bon ansèyman l bay, men, pou lanmou li gen ladan l (Jan 13:34, 35). Lanmou sa a pouse n fè tout sa n kapab pou n ede granmoun yo ak moun ki enfim yo asiste reyinyon kretyen yo e pou yo preche bon nouvèl la. Nou fè sa menmsi yo pa ka fè tout bagay. — Mat. 13:23. w18.09 29-30 § 7-8.

Vandredi 16 oktòb

Se pou nou chak fè pwochen nou plezi pou byen l, pou nou ankouraje l. — Wom. 15:2.

Tout moun ki fè pati mouton Jewova yo gen anpil valè pou li menm ak Jezi ki te bay sakrifis ranson an (Gal. 2:20). Nou renmen frè n ak sè n yo anpil. E n vle pran swen yo avèk tandrès ak lanmou. Pou n ka vin yon sous ankourajman pou yo, “annou kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè ak bagay k ap fòtifye youn lòt”. (Wom. 14:19.) Se pa ti tann nou tout ap tann Paradi ki gen pou vini an, kote n pap janm gen rezon pou n dekouraje! Pap gen maladi ankò, pap gen lagè, lanmò nou eritye a pap la ankò, pap gen pèsekisyon, pwoblèm nan fanmi ak dekourajman. Apre Rèy mil an an, lèzòm pral vin pafè. Lè sa a, Jewova Dye pral adopte moun ki chape nan dènye eprèv la kòm pitit li ki sou tè a e moun sa yo pral gen “libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. (Wom. 8:21.) Kidonk, annou tout kontinye demontre lanmou k ap fòtifye moun nan, epi ann ede youn lòt rive atenn objektif sa a ki bay kè kontan ak anpil byenfè. w18.09 14 § 10; 16 § 18.

Samdi 17 oktòb

Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo! Mwen reflechi sou yo tout lajounen. — Sòm 119:97.

Etidye vle di plis pase fè yon senp lekti e sa mande plis pase annik souliye repons kesyon yo. Lè n ap etidye, nou egzamine sa sijè a aprann nou sou Jewova, sou fason l aji ak sou fason l panse. Nou chèche konprann rezon ki fè Bondye bay lòd pou fè yon bagay ak rezon ki fè l kondane yon lòt. Mete sou sa, nou reflechi sou chanjman nou dwe fè nan lavi nou ak nan panse n. Byenke n ka pa fè tout bagay sa yo chak fwa n ap etidye, nou jwenn byenfè lè n pase tan, petèt mwatye nan tan nou rezève pou chak etid, pou n medite sou sa n li yo (1 Tim. 4:15). Lè n medite sou Pawòl Bondye a regilyèman, nou “verifye pèsonèlman”, fason Jewova rezone a pafè. Nou kòmanse wè bagay yo menm jan avè l, e nou vin dakò ak fason li panse. Nou bay lespri nou “yon lòt direksyon” e nou vin aprann reflechi yon lòt jan (Wom. 12:2). Tikras pa tikras, nou fè panse Jewova vin panse pa nou. w18.11 24 § 5-6.

Dimanch 18 oktòb

Nou se konpayon travay Bondye. — 1 Kor. 3:9.

Nan premye syèk epòk nou an, Pòl te fè konnen li menm ak kèk nan moun ki t ap travay kòtakòt avè l yo se “konpayon travay Bondye” paske yo te jwe yon wòl nan plante ak nan wouze semans verite Wayòm nan (1 Kor. 3:6). Jodi a, nou menm tou nou ka vin “konpayon travay Bondye” lè n renmen bay tan nou, sa n posede ak fòs nou nan travay predikasyon Bondye te konfye n nan. Ala yon kokenn privilèj nou genyen! Lefètke n renmen bay tan nou ak fòs nou nan travay predikasyon an ak fè disip la, sa fè kè n kontan anpil. Gen anpil moun ki gen privilèj pou yo kondui etid biblik k ap pwogrese k ap di w pa gen anpil bagay ki bay plis satisfaksyon pase sa. Kè nou kontan anpil lè n wè jan moun ki gen rekonesans yo kontan lè yo konprann verite espirityèl yo, lè yo vin gen plis lafwa, lè yo fè chanjman nan lavi yo e lè yo kòmanse pataje laverite ak lòt moun. Jezi te fè yon eksperyans ki te fè kè l kontan anpil tou lè 70 moun li te voye al preche yo te “retounen ak kè kontan” paske yo te jwenn bon rezilta. — Lik 10:17-21. w18.08 20 § 11-12.

Lendi 19 oktòb

Yon moun ki kwè nan tèt li se yon moun ki sòt. — Pwo. 28:26.

Lè n konte twòp sou entèlijans nou sa ka vin yon pyèj pou nou. Nou ka kòmanse panse nou ka annik wè yon sitiyasyon epi n konprann li, menm lè n pa gen tout enfòmasyon yo. Yon lòt bagay ki ka fè l difisil pou n byen egzamine bagay yo se lè n gen pwoblèm ak yon frè nan kongregasyon an. Si toutan n ap gade diferans ki genyen ant nou menm ak frè nou an, nou ka kòmanse gen kèk dout sou li. Konsa, si n tande yon bagay ki negatif sou frè sa a, nou ka kouri kwè. Ki leson nou aprann? Lè n kontinye kenbe rankin kont frè nou yo sa ka fè jijman nou vin defòme, yon seri jijman ki pa baze sou tout enfòmasyon yo (1 Tim. 6:4, 5). Nou ka anpeche jijman nou vin bwouye lè n refize kite anvi ak jalouzi fè rasin nan kè n. Olye n kite move santiman sa yo ret nan nou, se pou n rekonèt obligasyon nou genyen pou n renmen frè nou yo e pou n padone yo ak tout kè n san grate tèt. — Kol. 3:12-14. w18.08 6 § 15; 7 § 18.

Madi 20 oktòb

Tè a ak tout sa k ladan l, [...] ak syèl [la], se pou Jewova. — Det. 10:14.

Piske tout moun egziste grasa Jewova, yo tout se byen l (Sòm 100:3; Rev. 4:11). Sepandan, pandan tout istwa lèzòm, Bondye te chwazi yon seri gwoup moun byen presi pou vin byen espesyal li. Pa egzanp, Sòm 135 pale konsènan moun fidèl ki t ap adore Jewova nan Izrayèl tan lontan an kòm “byen espesyal li”. (Sòm 135:4.) Anplis de sa, liv Oze a fè konnen gen kèk moun ki pa Izrayelit ki t ap vin pèp Jewova (Oze 2:23). Pwofesi ki nan liv Oze a te reyalize lè Jewova te chwazi moun ki pa Juif pou yo vin fè pati moun ki pral gen posiblite pou dirije avèk Kris yo (Tra. 10:45; Wom. 9:23-26). “Nasyon ki sen” sa a se “byen espesyal” Jewova nan yon sans estrawòdinè, paske Jewova chwazi moun sa yo pa mwayen lespri sen pou y al viv nan syèl (1 Pyè 2:9, 10). E konsènan pifò kretyen fidèl k ap viv jodi a ki gen esperans pou yo viv sou tè a? Jewova rele moun sa yo “pèp mwen” tou, e l rele yo “moun mwen chwazi yo”. — Eza. 65:22. w18.07 22 § 1-2.

Mèkredi 21 oktòb

Kenbe menm mantalite Kris Jezi te genyen an nan nou. [...] Li te pran fòm yon esklav. — Flp. 2:5, 7.

Vrè kretyen yo imite Kris, li menm ki te ban nou yon egzanp pafè sou fason yon moun ka renmen bay (Mat. 20:28). L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Ki jan m ka suiv egzanp Jezi pye pou pye plis pase jan m deja ap fè sa?’ ​(1 Pyè 2:21). Nou ka jwenn favè Jewova lè n imite egzanp pafè ni li menm ni Kris bay, lè n montre n enterese nan byennèt lòt moun, e lè n chèche fason pou n ede yo. Anfèt, nan parabòl bon Samariten an, Jezi te montre byen klè li atann pou disip li yo fè tout sa yo kapab pou yo ede lòt moun, kèlkeswa moun nan, kèlkeswa nasyonalite l (Lik 10:29-37). Èske w sonje kesyon ki te pouse Jezi bay parabòl bon Samariten an? Gen yon Juif ki te mande l: “Kiyès menm ki pwochen m?” Repons Jezi te bay la montre, si n vle jwenn favè Bondye, nou dwe dispoze bay ak tout kè n menm jan ak Samariten an. w18.08 19 § 5-6.

Jedi 22 oktòb

[Zanj lan] di l: “Bonjou, ou menm yo fè yon gwo favè. Jewova avè w.” — Lik 1:28.

Èske Jewova te kontinye apwouve Mari poutèt li te byen pran swen Pitit Gason l lan e l te byen leve l? Wi, li te fè sa. Bondye te fè yo ekri sa l te fè ak pawòl li te di yo nan Bib la. Sanble Mari pa t kapab vwayaje ak Jezi pandan twazan edmi Jezi te fè ap preche a. Petèt antanke vèv, Mari te oblije ret Nazarèt. Sepandan, menm lè l te rate anpil privilèj, li te gen posiblite pou l te la ansanm ak Jezi nan moman Jezi te mouri a (Jan 19:26). Men, annapre, Mari te ansanm ak disip yo nan Jerizalèm pandan jou ki te mennen nan fèt Pannkòt la lè Bondye te vide lespri sen l sou yo (Tra. 1:13, 14). Li pwobab pou Bondye te chwazi l pa mwayen lespri sen l menm jan ak lòt moun ki te la yo. Si se wi, sa t ap vle di l gen privilèj pou l al viv nan syèl la ak Jezi pou tout letènite. Se pa ti bèl privilèj li te genyen poutèt li te fidèl nan sèvis li! w18.07 9 § 11; 10 § 14.

Vandredi 23 oktòb

Fè tout bagay pou glwa Bondye. — 1 Kor. 10:31.

Pandan tout sèvis Jezi, li te anseye yon seri verite fondamantal ki te ede disip li yo konprann konsekans kèk konpòtman oswa kèk aksyon genyen. Pa egzanp, li te fè konnen rankin ka mennen nan vyolans epi gwo anvi ka mennen nan adiltè (Mat. 5:21, 22, 27, 28). Pou n ka gen yon konsyans ki byen fòme, nou dwe kite prensip Bondye yo gide n, e konsa n ap fè Bondye jwenn glwa. Nan kèk domèn, de kretyen ki gen konsyans yo fòme grasa Bib la gendwa pa wè bagay yo menm jan. Ann pran yon egzanp sou kesyon bwè bwason ki gen alkòl. Bib la pa entèdi moun bwè bwason ki gen alkòl yon fason ki modere. Men, li bay avètisman pou n pa bwè twòp alkòl, e pou n pa vin bwasonyè (Pwo. 20:1; 1 Tim. 3:8). Èske sa vle di yon kretyen pa gen okenn lòt bagay pou l konsidere depi l bwè bwason ki gen alkòl yon fason ki modere? Non, se pa sa ditou. Se vre kretyen an gendwa santi konsyans li anpè, men, li dwe konsidere konsyans lòt moun tou. w18.06 18 § 10-11.

Samdi 24 oktòb

Veye kò nou ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la. — Mak 8:15.

Jezi te avèti disip li yo pou yo ret lwen ansèyman, oswa ledven, Farizyen yo, Sadiseyen yo ak patizan Ewòd yo (Mat. 16:6, 12). Yon bagay ki enteresan, sèke se yon ti tan apre moun yo te vle met Jezi wa li te gen konvèsasyon sa a ak disip li yo. Lè relijyon antre nan politik, li fasil pou vin gen vyolans. Jezi te fè disip li yo konnen yo dwe kontinye kenbe netralite yo nan sitiyasyon sa yo. Sa gen rapò ak rezon ki fè prèt an chèf yo ak Farizyen yo te fè konplo pou yo touye Jezi. Yo te konsidere l kòm yon advèsè ki te ka fè yo pèdi pozisyon yo nan domèn politik ak nan domèn relijyon. Men sa yo te di: “Si nou kite l kontinye konsa, tout moun yo ap met lafwa nan li, epi Women yo ap vini, y ap pran ni tanp nou an, ni nasyon nou an.” ​(Jan 11:48). Se rezon sa a ki fè Kayif, gran prèt la, te pran latèt pami moun ki t ap fè konplo pou touye Jezi yo. — Jan 11:49-53; 18:14. w18.06 6-7 § 12-13.

Dimanch 25 oktòb

Se pou lanmou nou pa gen ipokrizi ladan l. — Wom. 12:9.

Yon pyèj Satan itilize ki efikas se kiryozite konsènan bagay ki gen rapò ak movèzespri. Jodi a, nonsèlman Satan sèvi ak fo relijyon pou l fè moun enterese nan demon, men tou, li fè sa pa mwayen divètisman yo. Fim yo, jwèt elektwonik yo ak lòt medya yo fè bagay ki gen rapò ak movèzespri parèt atiran. Ki jan n ka evite tonbe nan pyèj sa a? Nou pa dwe atann pou òganizasyon Bondye a vin ak yon lis divètisman ki akseptab oswa ki pa akseptab. Se nou chak ki bezwen fòme konsyans nou pou l vin ann amoni ak prensip Bondye yo (Ebre 5:14). Sepandan, n ap rive fè bon chwa si n suiv konsèy Bondye te pouse apot Pòl ekri nou jwenn nan tèks pou jounen an. Nou ka mande tèt nou: ‘Èske divètisman m chwazi yo ap fè m sanble ak yon moun ki ipokrit? Si moun m ap etidye Labib avèk yo oswa moun m al vizite yo wè divètisman mwen chwazi yo, èske y ap panse m pratike sa m ap preche a?’ Plis pawòl nou ann amoni ak fason n aji, se plis li ka pi fasil pou n pa pran nan pyèj Satan yo. — 1 Jan 3:18. w18.05 25 § 13.

Lendi 26 oktòb

Sa m swete nan kè m e sa m mande Bondye pou yo nan siplikasyon m ap fè, se pou yo sove. — Wom. 10:1.

Ki jan n ka imite Pòl? Premyèman, nou fè tout sa n kapab pou n kontinye chofe pou n jwenn kèlkeswa moun ki gendwa nan “bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. Dezyèmman, nou sipliye Jewova nan lapriyè pou l ouvri kè moun ki sensè yo (Tra. 13:48; 16:14). Men sa Silvana, ki gen prèske 30 an depi l pyonye, di: “Anvan m al nan yon kay nan tèritwa m nan, m priye Jewova, m mande l pou l fè m gen yon atitid ki pozitif.” Anplis de sa, nou priye Bondye pou zanj yo ka dirije nou yon fason pou n ka jwenn moun ki sensè yo (Mat. 10:11-13; Rev. 14:6). Men sa Robert, ki gen plis pase 30 an depi l pyonye, di: “Sa vrèman enteresan lè n travay ansanm ak zanj yo ki konnen sa k ap pase nan lavi moun yo.” Twazyèmman, nou chèche wè sa k bon lakay moun yo. Men sa Carl, yon ansyen, fè konnen: “M chèche tout ti siy ki montre yon moun gendwa sensè, petèt yon souri, yon rega ki janti, oswa yon kesyon ki sensè.” Wi, menm jan ak Pòl, nou ka kontinye bay fwi. w18.05 15 § 13; 16 § 15.

Madi 27 oktòb

Annou voye je youn sou lòt, [...] annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche. — Ebre 10:24, 25.

Lè n aprann jan moun nou te ede nan tan lontan kontinye ret fidèl, sa ka ban nou bonjan ankourajman, menm jan sa te ye pou apot Jan ki te ekri: “Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite.” ​(3 Jan 4). Anpil pyonye ka di jan sa ankouraje yo lè yo aprann kèk nan moun yo te ede sa gen plizyè ane kontinye ret fidèl nan laverite e petèt yo menm ap sèvi kòm pyonye. Lè yon moun annik fè yon pyonye ki dekouraje sonje jwa l te genyen nan tan lontan, sa ka bay pyonye a bonjan konsolasyon. Anpil siveyan sikonskripsyon fè konnen jan yo menm ak madanm yo santi yo ankouraje apre yo fin resevwa yon ti nòt tou kout ki montre jan frè ak sè yo gen rekonesans pou vizit yo te fè nan kongregasyon an. Se menm bagay la tou pou ansyen yo, misyonè yo, pyonye yo ak Betelit yo lè yo resevwa yon ti mo ki demontre rekonesans pou sèvis fidèl y ap bay la. w18.04 23 § 14-15.

Mèkredi 28 oktòb

Wa a pa dwe gen anpil madanm, pou sa pa detounen l. — Det. 17:17.

Salomon pa t obeyi lwa sa a, e rive yon lè, li te vin gen 700 madan marye. Anplis de sa, li te gen 300 madanm sou kote ki te abite lakay li (1 Wa 11:3). Anpil nan madanm li yo pa t Izrayelit e yo t ap adore fo dye. Konsa, Salomon te dezobeyi lwa Bondye te bay pou moun pa marye ak fi ki etranje (Det. 7:3, 4). Piske Salomon te dezobeyi lòd Jewova yo tikras pa tikras, sa te vin lakòz li fè peche ki grav anpil. Salomon te konstwi yon lotèl pou yon zidòl yo te konn adore kòm dye ki rele Achtorèt, e l te konstwi omwen yon lotèl pou fo dye ki rele Kemòch la. Konsa, li t al jwenn madanm li yo nan fo adorasyon. Li te bati lotèl sa yo ak tout kote pou moun adore yo sou tèt yon mòn ki te dirèkteman anfas Jerizalèm kote l te bati tanp Jewova a (1 Wa 11:5-8; 2 Wa 23:13)! Petèt Salomon te twonpe tèt li lè l te panse Jewova t ap fèmen je l sou dezobeyisans li an depi l kontinye ofri sakrifis nan tanp lan. Men, Jewova pa janm fèmen je l sou move bagay moun fè. w18.07 18-19 § 7-9.

Jedi 29 oktòb

Se pou nou pran gwo boukliye lafwa a. Se avè l n ap kapab etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou. — Efe. 6:16.

Kèk nan “flèch” Satan “ap voye tou limen sou nou” yo kapab se manti l ap simaye sou Jewova lè l fè konnen Jewova pa sousye l de nou epi l pa renmen nou. Ida, yon jèn fi ki gen 19 an ap goumen ak santiman kòmkwa l pa vo anyen. Men sa l di: “Pafwa, m konn santi Jewova pa bò kote m epi l pa vle vin Zanmi m.” Ki fason l rive fè fas ak atak sa a? Men sa Ida di: “Reyinyon yo se yon gwo boustè pou lafwa m. M te konn annik ret chita epi m pa janm fè kòmantè paske m te panse pèsonn pap anvi tande sa m gen pou m di. Men, kounye a, m prepare reyinyon yo e m eseye fè de oswa twa kòmantè.” Eksperyans Ida a atire atansyon nou sou yon verite enpòtan: Boukliye sòlda yo te genyen an te gen yon wotè ak yon lajè ki fiks, men, boukliye lafwa nou an kapab vin pi piti oswa pi gwo. Sa depann de nou (Mat. 14:31; 2 Tes. 1:3). Se pa ti enpòtan l enpòtan pou n fè lafwa n vin pi solid! w18.05 29-30 § 12-14.

Vandredi 30 oktòb

Ki sa pou m fè pou m ka sove? — Tra. 16:30.

Se sèlman apre tranblemanntè a fin fèt kè gadyen an te chanje e l te mande èd (Tra. 16:25-34). Menm jan an tou, gen moun jodi a ki pa enterese nan mesaj ki nan Bib la, men, kè yo ka vin chanje e yo ka mande èd apre yon evènman fin souke lavi yo bridsoukou tankou yon tranblemanntè. Pa egzanp, gen kèk moun nan tèritwa nou an ki ka pèdi yon travay yo te gen depi byen lontan sanzatann e sa ka fè yon chòk sou yo. Gen lòt ki ka pa konn sa pou yo fè apre yo fin aprann yo fè yon maladi grav, oswa yo ka chagren apre yon moun pa yo fin mouri. Yo gendwa ap mande ki sans lavi a, yon kesyon yo te ka pa t konn poze anvan sa. Petèt yo ka menm mande: ‘Ki sa pou m fè pou m ka sove?’ Lè n rankontre moun sa yo, yo ka vle tande mesaj espwa n ap bay la pou premye fwa nan lavi yo. Kidonk, lè n kontinye nan travay predikasyon nou an fidèlman, nou asire n n ap toujou disponib pou n bay moun konsolasyon nan yon moman yo ka pare pou yo aksepte l. — Eza. 61:1. w18.05 19-20 § 10-12.

Samdi 31 oktòb

Lespri Jewova sou mwen, paske li chwazi m pou m anonse [...] bon nouvèl la. — Lik 4:18.

Jodi a, dye sistèm sa a kontinye bouche lespri pifò moun e yo nan esklavaj nan domèn relijye, ekonomik ak sosyal (2 Kor. 4:4). Nou gen privilèj pou n suiv egzanp Jezi lè n ede moun yo vin konnen Jewova, Bondye ki bay libète a, e pou yo adore l (Mat. 28:19, 20). Se pa yon travay ki fasil, e l gen anpil difikilte. Nan kèk peyi, moun yo vin pa enterese plis toujou, e gen kèk ki menm vin agresif. Men kesyon nou chak ta dwe poze: ‘Èske m ka sèvi ak libète m genyen an pou m bay plis èd nan travay Wayòm nan?’ Sa vrèman ankourajan pou n wè jan gen anpil moun ki montre yo konprann yo dwe aji san pèdi tan e ki senplifye lavi yo pou yo antre nan sèvis aplentan (1 Kor. 9:19, 23). Gen kèk nan yo k ap sèvi nan zòn kote y ap viv la, gen lòt k al sèvi kote ki gen plis bezwen. Ala yon bèl rezilta sa bay lè n byen itilize libète n genyen an pou n sèvi Jewova! — Sòm 110:3. w18.04 11-12 § 13-14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje