Mas
Lendi 1ye mas
“Mete nou apa,” se sa Jewova di, “e sispann manyen bagay ki pa pwòp la”. — 2 Kor. 6:17.
Fanmi nou oswa zanmi nou, ki ka gen bon entansyon, ka ap fè presyon sou nou pou nou mele nan yon seri pratik ki depaman ak sa Bib la di anrapò ak moun ki mouri. Men, lanmou nou gen pou Bondye e pou Pawòl li a fè nou gen plis fòs pou nou obeyi Jewova. Yo ka eseye fè nou wont, petèt lè yo di nou pa t renmen moun ki mouri a oswa nou pa gen okenn respè pou li. Oubyen yo ka di fason nou aji a ka fè moun ki mouri a vin ba yo pwoblèm yon fason oswa yon lòt. Nan yon peyi nan Karayib la, anpil moun kwè apre yon moun fin mouri, swadizan nanm li rete nan zòn nan pou l pini moun ki te konn mal aji avè l yo. Gen yon referans ki fè konnen swadizan nanm sa a ka menm “bay tout moun nan zòn nan pwoblèm”. Ann Afrik, lè yon moun mouri, yo gen abitid kouvri glas ki nan kay la e yo konn vire fas foto yo nan mi kay la. Pou ki rezon yo fè sa? Gen moun ki fè konnen mò yo pa dwe wè tèt yo. Antanke sèvitè Jewova, se sèten nou pap kwè nan okenn koutim sa yo e nou pap patisipe nan okenn aktivite k ap fè pwopagann pou manti Satan yo! — 1 Kor. 10:21, 22. w19.04 16 § 11-12.
Madi 2 mas
Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo. — Mat. 7:12.
Jezi te anseye yon seri prensip ki t ap ede disip li yo pou yo aji yon fason ki jis ak lòt moun. Pa egzanp, ann reflechi sou Règ annò a. Nou tout renmen lè yo aji yon fason ki jis avèk nou. Se sa k fè nou dwe aji yon fason ki jis ak lòt moun. Si nou fè sa, sa ka pouse yo aji yon fason ki jis avèk nou. Men, e si yo fè nou enjistis? Jezi te anseye disip li yo pou yo gen asirans Jewova ap “fè moun [...] k ap rele nan pye l lajounen kou lannuit yo jwenn jistis”. (Lik 18:6, 7.) Anfèt, pawòl sa a se yon pwomès: Bondye nou an ki jis wè pwoblèm nou genyen nan dènye jou sa yo, e l ap fè nou jwenn jistis nan moman li fikse a (2 Tes. 1:6). Lè nou suiv prensip Jezi te anseye yo, n ap byen aji ak lòt moun. E si yo fè n enjistis nan monn Satan an, nou ka pran kouraj lefètke nou konnen Jewova pral fè nou jwenn jistis. w19.05 5 § 18-19.
Mèkredi 3 mas
Se pou nou toujou pare pou nou defann nou devan nenpòt moun ki mande nou rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an. Men, se pou nou fè sa avèk dousè e avèk gwo respè. — 1 Pyè 3:15.
Èske w se yon jèn ki lekòl? Tout kondisip ou yo ka kwè nan teyori evolisyon. Ou ta renmen defann ansèyman ki nan Bib la, men petèt ou pa santi w ap kapab fè sa. Donk, ou bezwen fè etid pèsonèl ou sou sijè sa a. Ou ka gen de objektif lè w ap fè sa: 1) chèche konvenk tèt ou se Bondye ki kreye tout bagay e 2) chèche vin pi maton nan defann laverite (Wom. 1:20). Ou ta dwe mande tèt ou: ‘Ki agiman kondisip mwen yo itilize pou yo soutni teyori evolisyon an?’ Apre sa, sèvi ak piblikasyon nou yo pou w fè bonjan rechèch. Ou gendwa wè defann kwayans ou pa t difisil jan w te panse a. Pifò moun kwè nan evolisyon senpleman paske yon moun yo respekte fè yo konnen se laverite. Si w jwenn youn oswa de pwen ou ka pataje avèk yon moun ki sensè k ap poze kesyon, ou ka ede l jwenn yon repons k ap satisfè l. — Kol. 4:6. w19.05 29 § 13.
Jedi 4 mas
Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa tou, m ap kontinye konsole nou. — Eza. 66:13.
Lè pwofèt Eli t ap kouri pou l sove lavi l, li te tèlman dekouraje, li te mande lanmò. Jewova te voye yon zanj pisan al kote mesye sa a ki te dekouraje. Zanj lan te bay Eli sa l te bezwen nan moman an. Li te ba l manje e li te ankouraje l pou l manje (1 Wa 19:5-8). Istwa sa a aprann nou yon verite enpòtan: Pafwa yon ti jès tou senp ki montre bonte anvè yon moun ka itil anpil. Petèt yon ti manje, yon ti kado, yon ti kat ki gen ladan l kèk mo ankourajan ka konsole yon frè oubyen yon sè ki tris anpil, e sa ka fè yo konprann lanmou ak sousi nou gen pou yo. Si nou santi nou pa alèz pou nou pale avèk yon moun sou yon bagay ki pèsonèl oswa ki fè l soufri, petèt, nou ka toujou ba li kalite èd sa yo. Jewova te fè yon mirak pou l bay pwofèt la èd li te bezwen pou l t al jis sou Mòn Òrèb. Petèt se nan zòn byen lwen sa a Eli te santi l an sekirite. Ki sa nou ka aprann? Si nou vle konsole moun ki viktim abi seksyèl, premye bagay nou ka bezwen fè se ede yo santi yo an sekirite swa lakay yo swa nan Sal Wayòm nan. w19.05 16 § 11; 17 § 13-14.
Vandredi 5 mas
Moun nan peyi a ap rele, [...] gwoup moun nan fanmi Natan yo ap rele. — Zak. 12:12.
Ann sipoze w ap li 12yèm chapit nan pwofesi Zakari a, ki te anonse Mesi a t ap gen pou l mouri (Zak. 12:10). Lè w rive nan vèsè 12, ou li “gwoup moun nan fanmi Natan yo” t ap nan gwo lapenn lè Mesi a mouri. Olye w pase byen vit sou detay sa a, ou fè yon poz pou w mande tèt ou: ‘Ki rapò ki genyen ant fanmi Natan ak Mesi a?’ Ou fè yon ti rechèch. Gen yon referans nan mitan paj la ki voye w nan 2 Samyèl 5:13, 14, kote ki montre Natan se te youn nan pitit gason wa David te genyen yo. Yon dezyèm referans, Lik 3:23, 31, montre Jezi se desandan dirèk Natan ki te zansèt Mari. Menm moman an, ou vin enterese! Ou te konnen yo te anonse Jezi t ap yon desandan David (Mat. 22:42). Men, David te gen plis pase 20 pitit gason. Èske sa pa enteresan pou n wè Zakari te atire atansyon sou fanmi Natan ki te gen rezon nan lapenn nan moman lanmò Jezi? w19.05 30 § 17.
Samdi 6 mas
Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye. — Wom. 12:2.
Ki sa nou bezwen fè? Lè nou etidye regilyèman, n ap ka verifye pèsonèlman yon seri verite nou aprann nan Bib la. N ap ka gen bonjan konviksyon prensip Jewova yo dwat. Lè sa a, menm jan ak yon pyebwa ki gen rasin li djanm, n ap byen anrasinen e n ap “vin fèm nan lafwa”. (Kol. 2:6, 7.) Sonje sa, pa gen moun ki ka fòtifye lafwa nou pou nou. Se sa k fè nou bezwen kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an. Nou bezwen priye toutan, sipliye Jewova pou l ede nou grasa lespri l. Pran tan pou nou medite, kontinye egzamine panse nou ak sa ki pouse n aji. Chèche bon zanmi, chèche zanmi k ap ede n transfòme tèt nou. Lè nou fè sa, n ap rive pwoteje tèt nou pou monn Satan an pa gen move enfliyans sou nou, e n ap ka “ranvèse rezònman ak tout obstak ki kanpe kont konesans Bondye”. — 2 Kor. 10:5. w19.06 13 § 17-18.
Dimanch 7 mas
Adorasyon ki pwòp e ki san salte selon Bondye nou an ki Papa nou, men li: pran swen òfelen yo ak vèv yo nan tribilasyon yo. — Jak 1:27.
Menm jan Rit te ret atache ak Nawomi ki te yon vèv, nou bezwen kontinye soutni moun ki gen moun pa yo ki mouri (Rit 1:16, 17). Men sa Paula di: “Tousuit apre lanmò mari m, anpil moun te vin ede m epi konsole m. Men, apre yon ti tan, yo te retounen nan aktivite nòmal yo. Sepandan, lavi m te chanje nèt. Sa bon anpil lè lòt moun rann yo kont yon moun ki nan lapenn bezwen yo kontinye soutni l plizyè mwa apre lanmò a e menm plizyè ane annapre.” Natirèlman, tout moun pa menm. Gen moun ki sanble adapte yo byen vit. Men, gen lòt, chak aktivite yo te konn fè ak moun ki mouri a fè yo sonje moun nan anpil, e sa fè yo gen lapenn. Tout moun pa montre lapenn yo menm jan. Se pou nou sonje Jewova ban nou privilèj ak responsablite pou nou ede moun ki gen mari yo oswa madanm yo ki mouri. w19.06 24 § 16.
Lendi 8 mas
M ap met yon baboukèt nan bouch mwen pou m ka veye l toutotan gen mechan devan m. — Sòm 39:1.
Lè gen entèdiksyon, nou dwe chèche konprann lè pou nou “pa di anyen”. (Ekl. 3:7.) Nou dwe kenbe enfòmasyon ki dwe ret sekrè yo, tankou non frè ak sè yo, kote nou reyini, fason nou òganize travay predikasyon an ak jan nou fè pou nou resevwa sa nou bezwen nan domèn espirityèl. Nou pa ta dwe bay otorite nan gouvènman yo enfòmasyon sa yo, ni nou pa ta dwe pataje yo ak zanmi oswa fanmi nou gen nan peyi nou oswa nan lòt peyi. Si nou ta pran nan pyèj sa a, nou t ap met sekirite frè yo an danje. Pa kite nenpòt ti pwoblèm met divizyon nan mitan nou. Satan konnen yon kay kote moun ki ladan l yo ap goumen youn ak lòt pap ka ret kanpe (Mak 3:24, 25). Li toujou ap eseye met divizyon nan mitan nou. Konsa, li espere n ap kòmanse batay youn ak lòt olye nou batay avè l. Menm kretyen ki gen matirite bezwen veye pou yo pa pran nan pyèj sa a. Si nou fè anpil efò pou nou rezoud pwoblèm nou gen ak frè nou, nou pap kite anyen met divizyon nan mitan nou. — Kol. 3:13, 14. w19.07 11-12 § 14-16.
Madi 9 mas
Yon esklav Seyè a [...] dwe dou ak tout moun, li dwe gen kapasite pou l anseye. — 2 Tim. 2:24.
Souvan, sa ki fè moun yo byen reyaji devan mesaj nou an se pa sa nou di, men se fason nou di l. Yo renmen lè nou janti, lè n veye sa n ap di, e lè nou montre nou enterese nan yo toutbon. Nou pa fòse yo tande sa n gen pou n di a. Okontrè, nou eseye konprann rezon ki fè se konsa yo wè relijyon e nou eseye konprann santiman yo. Pa egzanp, lè Pòl t ap pale avèk Juif, li te rezone avèk yo sou baz Ekriti yo. Men, lè l t ap pale ak filozòf grèk yo nan Areyopaj la, li pa t fè referans dirèk ak Bib la (Tra. 17:2, 3, 22-31). Ki jan nou ka imite Pòl? Si n rankontre yon moun ki pa dakò ak Bib la, li ka pi bon pou n pa fè referans dirèk ak Bib la lè n ap rezone avè l. Si w santi yon moun ka pa alèz pou lòt moun wè w ap li Bib la avè l, eseye montre l vèsè yo yon fason pou w pa atire atansyon lòt moun, pa egzanp sou yon aparèy elektwonik. w19.07 21 § 5-6.
Mèkredi 10 mas
Fè atansyon pou nou pa kite kè nou fè n al adore lòt dye. — Det. 11:16.
Satan te byen reflechi pou l te fè Izrayelit yo tonbe nan adore zidòl. Kòm li te konnen yo te bezwen jwenn manje pou yo manje, li te pwofite sitiyasyon an. Lè Izrayelit yo te antre nan Peyi Bondye te pwomèt la, yo te oblije chanje fason yo te konn fè jaden. Lè yo te ann Ejip, se ak dlo ki te sot nan Rivyè Nil la yo te konn wouze jaden. Men, nan Peyi Bondye te pwomèt la, se pa konsa sa te ye, pa t gen yon gwo rivyè pou yo jwenn dlo pou wouze jaden. Jaden yo te wouze nan sezon lapli oswa ak lawouze (Det. 11:10-15; Eza. 18:4, 5). Donk, Izrayelit yo te bezwen sèvi ak nouvo metòd pou yo fè jaden. Men, poukisa Jewova te avèti yo pou yo pa al adore fo dye alòske se sou nouvo metòd pou fè jaden l t ap pale? Jewova te konnen Izrayelit yo te ka anvi aprann kèk teknik nan men yon seri payen ki t ap viv bò kote yo sou fason yo fè jaden nan zòn nan e l te konnen kwayans moun peyi Kanaran ki te konn fè jaden yo te gen nan Baal te gen enfliyans sou fason yo panse. — Nonb 25:3, 5; Jij 2:13; 1 Wa 18:18. w19.06 3 § 4-6.
Jedi 11 mas
Men sa m ap kontinye mande nan priyè mwen: Se pou lanmou nou ogmante chak jou pi plis. — Flp. 1:9.
Lè apot Pòl, Silas, Lik ak Timote te rive nan vil Filip, ki te anba dominasyon Wòm, yo te jwenn anpil moun ki te enterese nan mesaj Wayòm nan. Kat frè sa yo, ki te chofe anpil nan sèvis Jewova, te bay èd yo pou vin gen yon kongregasyon, e tout disip yo te kòmanse reyini ansanm, petèt lakay Lidi, yon dam ki te akeyan ki te vin kwè nan Bondye (Tra. 16:40). Kongregasyon sa a, ki te fèk fòme, pa t pran tan pou l te fè fas ak yon difikilte. Satan t ap pouse yon seri moun ki ènmi laverite pou yo opoze avèk fòs ak aktivite predikasyon kretyen fidèl sa yo t ap fè. Yo te arete Pòl ak Silas, yo te bat yo ak baton e yo te mete yo nan prizon. Lè yo te sot nan prizon, yo te vizite nouvo disip yo e yo te ankouraje yo. Annapre, Pòl, Silas ak Timote te kite vil la, men, sanble Lik te rete. Ki sa frè ak sè nan nouvo kongregasyon sa a t apral fè? Grasa èd lespri sen Jewova, nouvo kwayan sa yo te kontinye chofe nan sèvis Jewova a (Flp. 2:12). Pòl te gen bonjan rezon pou l fyè de yo! w19.08 8 § 1-2.
Vandredi 12 mas
Moun ki prete nan men yon moun se esklav moun ki prete l la. — Pwo. 22:7.
Èske sa gen lontan depi w demenaje? Sa ka mande anpil kòb pou nou demenaje, e li fasil pou n vin gen dèt. Pou nou gen mwens dèt, nou bezwen veye pou n pa prete kòb pou n achte bagay nou pa vrèman bezwen (Pwo. 22:3). Lè nou anba gwo strès, tankou lè n ap pran swen moun pa nou ki malad, li ka difisil pou n deside ki kantite dèt n ap fè. Lè konsa, sonje “lapriyè ak siplikasyon” ka ede n pran bon desizyon. Pou Jewova reponn priyè nou, li kapab “pwoteje kè nou ak lespri nou” lè l ede nou rete kalm pou n pran bon desizyon (Flp. 4:6, 7; 1 Pyè 5:7). Rete pwòch moun ki gen bon enfliyans sou ou. Fè bon zanmi w konnen jan w santi w e di yo pwoblèm ou genyen, sitou moun ki te nan menm sitiyasyon avè w. Lè w fè sa, sa ap ede w santi w pi byen (Ekl. 4:9, 10). Zanmi w te genyen anvan w demenaje yo ap toujou ret zanmi w. w19.08 22 § 9-10.
Samdi 13 mas
Yo rasanble [...] yo nan [...] Amagedon. — Rev. 16:16.
Poukisa Jewova montre gen yon rapò ant dènye gwo lagè li pral fè a ak Megido? Megido ak Vale Jizreyèl, ki te toupre a, se te kote ki te konn gen anpil batay. Pafwa, Jewova te konn ede pèp li a genyen batay sa yo. Pa egzanp, se “bò dlo Megido yo” Bondye te ede jij Barak ki te yon Izrayelit pot laviktwa sou yon lame peyi Kanaran yon chèf ki te rele Sisera t ap dirije. Barak ak Debora, yon dam ki te pwofèt, te di Jewova mèsi pou mirak sa a li te fè pou yo pot laviktwa. Men chante yo te chante: “Zetwal yo te goumen pandan yo nan syèl la [...] ak Sisera [...]. O Jewova, se konsa pou tout ènmi w yo peri. Men, se pou moun ki renmen w yo tankou solèy la ki klere lè l ap leve.” (Jij 5:19-21, 31). Ènmi Bondye yo pral peri menm jan an nan Amagedon, alòske moun ki renmen Bondye yo pral sove. Men, gen yon gwo diferans ant de gè sa yo. Nan gè Amagedon an, pèp Bondye a pa pral goumen. Yo pap menm gen zam! Y ap “ret dousman [y ap] montre [yo] gen konfyans” nan Jewova ak lame l yo ki nan syèl la, e “se sa k ap fòs” yo. — Eza. 30:15; Rev. 19:11-15. w19.09 9 § 4-5.
Dimanch 14 mas
Vin jwenn mwen. — Mat. 11:28.
Youn nan fason pou nou “vin jwenn” Jezi se lè nou aprann tout sa nou kapab sou sa l te di ak sa l te fè (Lik 1:1-4). Pa gen okenn lòt moun ki ka fè sa pou nou, se responsablite pa nou pou nou etidye sa Bib la aprann nou sou Jezi. Yon lòt fason nou “vin jwenn” Jezi se lè nou pran desizyon pou nou batize e pou nou vin yon disip Kris. Nou “vin jwenn” Jezi tou lè n al kot ansyen yo lè nou bezwen yo ede nou. Jezi itilize “gason kòm kado” sa yo pou pran swen mouton l yo (Efe. 4:7, 8, 11; Jan 21:16; 1 Pyè 5:1-3). Se nou ki pou al kote yo pou nou mande yo ede nou. Nou pa dwe atann pou ansyen yo li sa k nan panse nou pou yo konnen sa nou bezwen. Ann wè sa yon frè ki rele Julian di: “M te mande èd, e vizit pastoral sa a se te youn nan pi bèl kado m te resevwa.” Ansyen ki fidèl yo, tankou de ansyen ki te vizite Julian yo, ka ede nou pou nou konn “panse Kris la”, sa vle di pou nou konprann e pou nou imite fason Kris la te konn panse ak fason l te konn aji (1 Kor. 2:16; 1 Pyè 2:21). Se vrèman youn nan pi bèl kado yo te ka ban nou. w19.09 21 § 4-5.
Lendi 15 mas
Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. — Jan 10:16.
Lè nou li Ekriti yo, nou aprann gen gason ak fi ki te gen lafwa e lespri sen t ap gide yo, epoutan yo pa fè pati 144 000 moun yo. Jan ki te konn batize moun nan se youn ladan yo (Mat. 11:11). David se yon lòt (Tra. 2:34). Yo menm ansanm ak yon pakèt lòt moun pral resisite pou yo viv nan yon paradi sou tè a. Yo tout, ansanm ak gwo foul moun nan, pral jwenn okazyon pou yo montre yo fidèl ak Jewova ansanm ak dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren an. Se premye fwa Bondye fè plizyè milyon moun ki soti nan tout nasyon vin sèvi l nan tèt ansanm. Kit nou gen esperans pou nou viv nan syèl la oswa sou tè a, nou bezwen ede plis moun posib pou yo vin fè pati gwo foul “lòt mouton” yo. Talè konsa, Jewova pral fè gwo tribilasyon an yo te anonse a, ki pral detwi gouvènman yo ak relijyon k ap fè lèzòm soufri yo. Tout moun ki fè pati gwo foul moun nan pral gen yon kokenn privilèj pou yo sèvi Jewova sou tè a pou toutan! — Rev. 7:14. w19.09 31 § 18-19.
Madi 16 mas
Nan dènye jou yo, ap gen moun k ap pase nou nan rizib. — 2 Pyè 3:3.
Tank fen sistèm Satan an ap pwoche, nou ka atann n ap jwenn eprèv ki pi rèd pou anpeche nou ret fidèl ak Bondye ansanm ak Wayòm li an. Petèt moun ap kontinye pase nou nan rizib. Youn nan prensipal rezon yo se paske nou pap soutni okenn pati nan monn Satan an. Nou dwe fè efò pou nou vin pi fidèl depi kounye a pou nou ka ret fidèl pandan gwo tribilasyon an. Pandan gwo tribilasyon an, pral gen yon chanjman anrapò ak frè ki alatèt òganizasyon an sou tè a. Rive yon lè, tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki vivan sou tè a pral nan syèl la pou yo patisipe nan lagè Amagedon (Mat. 24:31; Rev. 2:26, 27). Sa vle di Kolèj santral la pap sou tè a avèk nou ankò. Men, gwo foul moun nan ap toujou òganize. Yon seri frè ki kalifye ki fè pati lòt mouton yo pral pran latèt. N ap bezwen montre nou fidèl lè nou soutni frè sa yo e lè nou suiv direksyon Bondye bay pa mwayen yo. N ap bezwen fè sa pou nou sove! w19.10 17 § 13-14.
Mèkredi 17 mas
Kote w ale se la m prale [...]. Kote w mouri se la m ap mouri. — Rit 1:16, 17.
Nawomi se te yon dam fidèl ki te renmen Jewova. Men, apre lanmò mari l ak de pitit gason l yo, li te vle chanje non l pou yo pa rele l Nawomi ankò, men pito, pou yo rele l “Mara”, ki vle di “Anmè”. (Rit 1:3, 5, 20, nòt, 21). Rit, bèlfi Nawomi, te rete avè l malgre tout pwoblèm Nawomi te genyen. Rit pa t sèlman ede Nawomi jwenn sa l te bezwen, men tou li te pale ak Nawomi yon fason pou l konsole l. Rit te di yon seri pawòl ki senp, men ki soti nan kè l, pou l montre jan li renmen Nawomi e jan li vle soutni l. Lè yon frè nan kongregasyon an pèdi madanm li oswa lè yon sè pèdi mari l, li bezwen èd nou. Yon mari ak yon madanm ka tankou de pyebwa k ap grandi youn bò kote lòt. Tank ane ap pase, rasin pyebwa yo vin makònen youn ak lòt. Lè yo derasinen youn nan pyebwa sa yo oswa youn nan pyebwa sa yo ta vin mouri, lòt pyebwa ki rete a ka gen gwo pwoblèm. Menm jan an tou, lè ènmi yo rele lanmò a pase pran mari a oswa madanm nan, moun ki vivan an ka santi li gen gwo pwoblèm pandan anpil tan. w19.06 23 § 12-13.
Jedi 18 mas
Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l. — Jak 1:14.
Nonsèlman nou bezwen kontwole kalite detant n ap pran, men tou nou bezwen kontwole kantite tan n ap pase ladan l. Si nou pa fè sa, nou ka pase plis tan nan detant pase nan sèvis Jewova. Premye sa pou w fè se chèche konnen kantite tan ou abitye pase ap detann ou. Li ta bon pou w make kantite tan w pase ap detann ou pandan yon semèn. Sèvi ak yon kalandriye pou w ekri kantite tan w pase ap gad televizyon, ap navige sou Entènèt epi ap jwe jwèt videyo sou aparèy mobil ou genyen. Si w wè ou pase yon kantite tan egzajere nan bagay sa yo, eseye fè yon pwogram. Fikse tan pou bagay ki pi enpòtan yo anvan, epi fikse tan pou detant. Apre sa, mande Jewova pou l ede w respekte pwogram ou fè a. Konsa w ap jwenn tan ak fòs w ap bezwen pou etid pèsonèl, adorasyon an fanmi, reyinyon, epi pou w sèvi Jewova lè w patisipe nan travay predikasyon ak ansèyman an. Lè sa a w ap pi byen pwofite detant w ap pran yo paske w te met Jewova an premye. w19.10 30 § 14, 16; 31 § 17.
Vandredi 19 mas
Paske, mwen vle fè sa ki byen, men, mwen pa gen kapasite pou m fè l. — Wom. 7:18.
Ozanviwon ane 55 epòk nou an, kretyen nan vil Korent yo te pran yon desizyon enpòtan. Lè yo te aprann frè yo nan Jerizalèm ak nan Jide te nan nesesite, yo te pran rezolisyon pou yo voye yon don ba yo (1 Kor. 16:1; 2 Kor. 8:6). Men, kèk mwa annapre, Pòl te aprann kretyen Korent yo pa t fè sa yo te deside a. Se sa k fè don yo t ap bay la sanble pa t pare nan moman yo te vle voye l Jerizalèm nan ansanm ak kontribisyon lòt kongregasyon yo te bay la (2 Kor. 9:4, 5). Kretyen Korent yo te pran yon bon desizyon e Pòl te felisite yo pou lafwa estrawòdinè yo te demontre a ak dezi sensè yo te genyen pou yo montre yo donan. Men, li te oblije ankouraje yo pou yo fini sa yo te kòmanse a (2 Kor. 8:7, 10, 11). Eksperyans yo te fè a fè nou wè menm kretyen ki fidèl ka oblije lite pou yo respekte yon bon desizyon yo pran. Sa k fè sa? Piske nou enpafè, nou ka ap plede di n a gen tan. Oswa, evènman nou pa t prevwa ka fè l enposib pou nou fè sa n te di a. — Ekl. 9:11. w19.11 26-27 § 3-5.
Samdi 20 mas
Se pou nou pran gwo boukliye lafwa a. — Efe. 6:16.
Menm jan yon gwo boukliye pwoteje prèske tout kò yon moun, lafwa nou pwoteje nou kont enfliyans sistèm kòwonpi sa a ki imoral, ki vyolan e ki pa gen respè pou Bondye. Antanke kretyen, nou nan yon konba espirityèl, e gen nan ènmi nou yo se espri mechan yo ye (Efe. 6:10-12). Ki jan nou ka sèten nou pare pou n fè fas ak eprèv? Toudabò, nou dwe priye Bondye pou l ede nou. Ansuit, nou bezwen sèvi ak Pawòl Bondye a pou ede nou egzamine lafwa nou pou n wè si l ann amoni ak volonte Bondye (Ebre 4:12). Men sa Bib la di: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou.” (Pwo. 3:5, 6). Kounye a, fè yon ti reflechi sou kèk desizyon ou te pran sa pa gen twò lontan. Pa egzanp, èske w te gen gwo pwoblèm ekonomik? Èske w te reflechi sou pwomès Jewova fè ki nan Ebre 13:5 lan ki di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w”? Èske pwomès sa a te ba w asirans Jewova ap ede w? Si se wi, konnen ou fè efò pou boukliye lafwa w la ka ret anfòm. w19.11 14 § 1, 4.
Dimanch 21 mas
Pitit se eritaj Jewova bay. — Sòm 127:3, nòt.
Yon timoun bezwen ni papa l ni manman l pase anpil tan avè l, paran yo dwe fè anpil efò pou sa e timoun nan merite sa. Donk, si timoun yo fèt youn dèyè lòt, paran yo ka twouve l difisil pou yo bay chak timoun atansyon yo bezwen. Gen kèk mari ak madanm ki gen plizyè timoun piti ki fè konnen yo santi chay la twòp pou yo. Yon manman gendwa toujou santi l fatige anpil e li santi l about. Li ka tèlman fatige, li pa gen fòs pou l etidye, pou l priye e pou l preche regilyèman. Li ka difisil tou pou l konsantre nan reyinyon yo e pou l byen pwofite yo. Natirèlman, yon mari ki renmen madanm li ap fè sa l kapab pou l ede l pran swen timoun yo, ni lè yo nan reyinyon, ni lè yo lakay. Pa egzanp, li ka ede madanm li fè travay nan kay la. L ap bat pou adorasyon an fanmi an fèt regilyèman e pou tout moun ka byen pwofite. Papa ki kretyen yo pral preche regilyèman ansanm ak fanmi yo. w19.12 24 § 8.
Lendi 22 mas
50yèm ane a ap yon ane Liberasyon pou nou. — Lev. 25:11.
Ki byenfè Izrayelit yo te jwenn nan ane Liberasyon an? Bon, ann sipoze yon Izrayelit te vin gen dèt e sa te fè l oblije vann tè l pou l peye dèt la. Pandan ane Liberasyon an, yo ta dwe remèt li tè l. Kidonk, li t ap ka “tounen sou tè l”, e pitit li yo pa t ap pèdi eritaj li t ap kite pou yo. Men yon lòt sitiyasyon: yon moun ki vin nan sitiyasyon ki difisil te ka oblije vann youn nan pitit li yo, oswa menm tèt li, kòm esklav pou l ka peye dèt li. Pandan ane Liberasyon an, esklav la te dwe “tounen al jwenn fanmi” l (Lev. 25:10). Konsa, pèsonn pa t ap ret esklav nètale san l pa gen espwa pou l jwenn libète! Men sa Jewova te di ankò: “Pèsonn pami nou pa sipoze vin pòv, paske Jewova pap manke pa beni nou nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj la.” (Det. 15:4). Sa diferan nèt ak sitiyasyon ki gen nan monn nan jodi a, kote byen souvan moun ki rich yo vin pi rich e moun ki pòv yo vin pi pòv! w19.12 8-9 § 3-4.
Madi 23 mas
Pitit mwen, montre w saj e fè kè m kontan. — Pwo. 27:11.
Lè Jezi t ap fè fas ak eprèv, li te priye “avèk gwo rèl ak dlo nan je”. (Ebre 5:7.) Priyè sensè li te fè yo te montre li fidèl ak Jewova e sa te fè l gen plis detèminasyon pou l kontinye obeyi l. Pou Jewova, priyè Jezi yo te tankou lansan santi bon. Fason Jezi te viv te fè Papa l plezi anpil e sa te montre Papa l gen dwa pou l dirije antanke Souvren. Nou ka imite Jezi lè nou fè tout sa n kapab pou n obeyi Jewova e pou n fidèl avè l. Lè nou jwenn eprèv, nou priye Jewova ak tout kè nou pou l ede nou paske nou vle fè l plezi. Nou konnen Jewova pap aksepte priyè nou si nou gen yon konduit li kondane. Men, si n ap viv ann amoni ak prensip Jewova yo, nou ka gen asirans priyè nou fè ak tout kè nou ap tankou lansan ki santi bon pou Jewova. E nou mèt sèten fidelite nou ak obeyisans nou ap fè Papa nou ki nan syèl la plezi. w19.11 21-22 § 7-8.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 9 Nizan an) Lik 19:29-44
Mèkredi 24 mas
Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an? — Mat. 24:45.
An 1919, Jezi te chwazi yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou al nan syèl antanke “esklav fidèl ki prevwayan an”. Esklav sa a ap dirije travay predikasyon an e li bay disip Kris yo “manje nan bon moman”. Satan ak akolit li yo ap chèche anpeche esklav fidèl la fè travay li. Si se pa t Jewova, li t ap enposib pou esklav la fè travay sa a. Malgre de gè mondyal yo, pèsekisyon san rete, kriz ekonomik ki gen nan lemonnantye ak move tretman, esklav fidèl ki prevwayan an kontinye bay disip Kris ki sou tè a manje nan domèn espirityèl. Reflechi ak pakèt manje espirityèl ki disponib gratis jodi a, nan plis pase 900 lang! Sa se prèv klè ki montre Bondye ap soutni esklav la. Travay predikasyon an se yon lòt prèv ki montre kantite benediksyon Jewova vide sou esklav la. Se toutbon y ap preche bon nouvèl la “sou tout tè a.” — Mat. 24:14. w19.11 24 § 15-16.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 10 Nisan an) Lik 19:45-48; Matye 21:18, 19; 21:12, 13
Jedi 25 mas
Bondye te tande [Kris], paske li te gen lakrentif pou Li. — Ebre 5:7.
Chak ane, nan jou Pirifikasyon an, gran prèt la te dwe boule lansan an anvan li ofri sakrifis yo. Konsa, li te sèten Bondye t ap apwouve l lè l ap ofri sakrifis yo. Lè Jezi te sou tè a, anvan l te bay lavi l kòm sakrifis, li te dwe fè yon bagay enpòtan, yon bagay ki pi enpòtan pase pèmèt limanite jwenn delivrans. Ki sa? Li te dwe obeyi Jewova fidèlman pandan tout vi l sou tè a pou Jewova te ka aksepte sakrifis li a. Konsa, Jezi t ap montre pi bon fason pou yon moun viv se lè l fè bagay yo jan Jewova vle l la. E Jezi t ap defann dwa Papa l genyen pou l dirije antanke Souvren an. Pandan tout vi Jezi sou tè a, li te toujou obeyi prensip jis Jewova yo yon fason ki pafè. Pa gen okenn tantasyon oswa eprèv ki te kapab anpeche l montre se fason Papa l dirije a ki pi bon — Flp. 2:8. w19.11 21 § 6-7.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 11 Nisan an) Lik 20:1-47
Vandredi 26 mas
Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo. — Lik 22:28.
Nan tout tan Jezi te fè ap preche sou tè a, apot fidèl yo se te bon zanmi l (Pwo. 18:24). Jezi te bay zanmi sa yo anpil valè. Pandan tan li te fè ap preche a, pa gen youn nan frè l yo ki te met lafwa nan li (Jan 7:3-5). Rive yon lè, fanmi l yo te menm panse li te pèdi tèt li (Mak 3:21). Yon lòt bò, Jezi te ka di apot fidèl yo pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an nan nuit anvan li te mouri a. Pafwa apot yo te konn desevwa Jezi, men, li pa t konsantre sou defo yo e li te wè yo gen lafwa nan li (Mat. 26:40; Mak 10:13, 14; Jan 6:66-69). Nan dènye nuit Jezi te fè ak apot li yo anvan yo te touye l, li te di mesye sa yo ki te fidèl: “Mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di.” (Jan 15:15). Pa gen dout nan sa, zanmi Jezi yo te ankouraje l anpil. w19.04 11 § 11-12.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 12 Nisan an) Lik 22:1-6; Mak 14:1, 2, 10, 11
Dat Memoryal la
Apre solèy la fin kouche
Samdi 27 mas
Lespri a li menm ansanm ak lespri pa nou bay temwayaj nou se pitit Bondye. — Wom. 8:16.
Ki jan yon moun fè konnen li resevwa apèl pou l al nan syèl? Nou jwenn repons lan byen klè nan pawòl apot Pòl te di kretyen Wòm yo, “moun yo rele pou vin sen yo”. Anplis de pawòl ki nan tèks pou jounen an, li te di yo: “Nou pa t resevwa yon lespri ki fè nou vin esklav e ki fè nou vin pè ankò, men nou resevwa yon lespri ki pèmèt Bondye adopte nou antanke pitit li, e se lespri sa a ki fè n ap di byen fò: ‘O Papa, Papa!’”(Wom. 1:7; 8:15). Donk, pa mwayen lespri sen, Bondye fè kretyen li chwazi yo konnen aklè yo resevwa apèl pou y al nan syèl (1 Tes. 2:12). Jewova pa kite okenn dout nan lespri ak nan kè moun ki resevwa envitasyon pou y al nan syèl yo (1 Jan 2:20, 27). Kretyen ki pral nan syèl yo pa bezwen okenn moun fè yo konnen Bondye chwazi yo toutbon. w20.01 22 § 7-8.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 13 Nisan an) Lik 22:7-13; Mak 14:12-16 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche 14 Nisan an) Lik 22:14-65
Dimanch 28 mas
Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l. — Jan 15:13.
Lalwa Kris la chita sou pi bon baz ki genyen an: lanmou (Gal. 6:2). Se lanmou ki te pouse Jezi fè tout sa l te konn fè. Yon fason yon moun montre li gen lanmou se lè li gen pitye oswa li gen kè sansib. Se paske Jezi te gen pitye ki fè li te anseye foul moun yo, li te geri moun ki malad, li te bay moun ki grangou manje pou yo manje e li te resisite moun ki mouri (Mat. 14:14; 15:32-38; Mak 6:34; Lik 7:11-15). Jezi te dispoze met enterè lòt moun anvan enterè pa l. Mete sou sa, li te montre li gen anpil lanmou lè li te bay lavi l pou lòt moun. Nou ka imite Jezi lè nou mete enterè lòt moun anvan enterè pa nou. Nou ka imite l tou lè nou montre nou gen kè sansib pou moun ki nan tèritwa nou. Lè se yon kè sansib konsa ki pouse nou preche epi anseye bon nouvèl la, se obeyi n ap obeyi lalwa Kris la. w19.05 4 § 8-10.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 14 Nisan an) Lik 22:66-71
Lendi 29 mas
[Jewova] voye m pou m fè prizonye yo konnen y ap lib, [...] pou m libere moun y ap toupizi yo. — Lik 4:18.
Jezi te pèmèt moun yo jwenn libète anba doktrin ki te rèd anpil chèf relijye yo te konn anseye yo. Anpil Juif nan epòk sa a te esklav yon seri tradisyon e yo te gen yon seri fo kwayans (Mat. 5:31-37; 15:1-11). Moun ki te sipoze ede moun yo sèvi Bondye pa t fè sa vre, se kòmsi yo te avèg. Lefètke yo te rejte Mesi a ak verite li te anseye yo, yo te rete nan fènwa e yo pa t jwenn padon pou peche yo (Jan 9:1, 14-16, 35-41). Grasa ansèyman ki kòrèk ak bon egzanp Jezi te bay, li te fè moun ki gen imilite yo konnen ki jan yo ka libere anba fo ansèyman yo (Mak 1:22; 2:23–3:5). Epitou, Jezi te bay libète lefètke l te fè limanite jwenn posiblite pou yo libere anba esklavaj peche yo eritye a. Sou baz sakrifis Jezi a, Bondye ka padone peche moun ki montre yo gen lafwa e ki aksepte ranson Li bay la. — Ebre 10:12-18. w19.12 10 § 8; 11 § 10-11.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 15 Nisan an) Matye 27:62-66
Madi 30 mas
Grasa li, apre nou te fin kwè, Bondye te poze yon so sou nou tou, anpalan de lespri sen li te pwomèt la, ki se yon garanti davans sou eritaj nou an. — Efe. 1:13, 14, nòt.
Jewova sèvi ak lespri sen l pou l fè tout kretyen li chwazi yo konnen aklè li chwazi yo. Nan ka sa a, lespri sen se “yon garanti [oswa yon pwomès]” ki ba yo asirans yo pral viv pou toutan nan syèl la, men se pa sou tè a (2 Kor. 1:21, 22). Lè Bondye chwazi yon kretyen pou al nan syèl, èske sa vle di wè pa wè l ap resevwa rekonpans sa a? Non. Li gen asirans Bondye chwazi l pou l al nan syèl. Men, li dwe sonje avètisman ki vin annapre a: “Frè m yo, se pou nou fè plis efò toujou pou nou asire ni apèl nou ni chwazi yo chwazi nou an. Paske, si nou kontinye fè bagay sa yo, nou pa gendwa janm echwe.” (2 Pyè 1:10). Kidonk, menmsi yon kretyen resevwa apèl pou l al nan syèl, se sèlman si l rete fidèl l ap jwenn rekonpans lan. — Flp. 3:12-14; Ebre 3:1; Rev. 2:10. w20.01 21-22 § 5-6.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 16 Nisan an) Lik 24:1-12
Mèkredi 31 mas
Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe, men, lang moun ki gen sajès la geri moun. — Pwo. 12:18.
Youn nan rezon ki fè twa moun ki te swadizan vin konsole Jòb yo pa t montre yo gen konpasyon pou li se paske yo pa t eseye konprann sa k te vrèman rive Jòb. Se sa k fè, yo te kouri di sa ki pa laverite, e yo te pote yon move jijman sou Jòb. Ki jan nou ka evite fè menm erè sa a? Nou bezwen konprann se Jewova sèlman ki konn tout detay nan sitiyasyon yon moun ye. Pran san w pou w koute sa moun k ap soufri a ap di. Chèche konprann sa l vle di epi eseye mete w nan plas li. Se sèlman lè sa a w ap kapab demontre bonjan senpati pou frè w la oswa sè w la. Si nou gen konpasyon, nou pap mache fè tripotay sou lòt moun pou fè konnen pwoblèm y ap rankontre. Yon moun ki renmen fè tripotay pa fòtifye kongregasyon an, li kraze l pito (Pwo. 20:19; Wom. 14:19). Pawòl li di ka blese yon moun ki deja ap soufri (Efe. 4:31, 32). Li pi bon lontan lè nou chèche wè bèl kalite lòt moun e nou reflechi sou fason nou ka ede yo fè fas ak pwoblèm yo genyen! w19.06 21-22 § 8-9.