BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es21
  • Avril

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Avril
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
  • Soutit
  • Jedi 1ye avril
  • Vandredi 2 avril
  • Samdi 3 avril
  • Dimanch 4 avril
  • Lendi 5 avril
  • Madi 6 avril
  • Mèkredi 7 avril
  • Jedi 8 avril
  • Vandredi 9 avril
  • Samdi 10 avril
  • Dimanch 11 avril
  • Lendi 12 avril
  • Madi 13 avril
  • Mèkredi 14 avril
  • Jedi 15 avril
  • Vandredi 16 avril
  • Samdi 17 avril
  • Dimanch 18 avril
  • Lendi 19 avril
  • Madi 20 avril
  • Mèkredi 21 avril
  • Jedi 22 avril
  • Vandredi 23 avril
  • Samdi 24 avril
  • Dimanch 25 avril
  • Lendi 26 avril
  • Madi 27 avril
  • Mèkredi 28 avril
  • Jedi 29 avril
  • Vandredi 30 avril
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
es21

Avril

Jedi 1ye avril

Yon bon zanmi demontre lanmou toutan. — Pwo. 17:17.

Aristak, yon kretyen ki moun Masedwàn, nan zòn Tesalonik, te montre Pòl li se yon zanmi ki fidèl. Premye fwa yo pale de Aristak se lè Pòl te vizite Efèz nan twazyèm vwayaj misyonè l t ap fè a. Pandan Aristak te ansanm ak Pòl, gen yon foul moun ki te met men sou li (Tra. 19:29). Lè yo te resi lage l, li pa t chèche pwoteje tèt pa l, men li te ret la ak Pòl. Kèk mwa annapre, nan peyi Lagrès, Aristak te toujou ret bò kote Pòl, menm lè yon seri opozan t ap eseye touye Pòl (Tra. 20:2-4). Ozanviwon ane 58 epòk nou an, lè yo te voye Pòl nan prizon nan vil Wòm, Aristak te fè vwayaj byen long sa a ansanm avè l, e bato te koule avè yo pandan vwayaj la (Tra. 27:1, 2, 41). Lè yo rive Wòm, sanble li te pase kèk tan nan prizon ansanm ak Pòl (Kol. 4:10). Nou pa bezwen mande jan Pòl te santi l jwenn kouraj ak rekonfò nan men yon konpayon fidèl konsa! Menm jan ak Aristak, nou kapab yon zanmi ki fidèl lè nou rete pwòch frè n ak sè n yo nonsèlman nan bon tan, men tou “lè gen malè”. w20.01 9 § 4-5.

Vandredi 2 avril

Tout moun ki benefisye premye rezirèksyon an, yo byennere e yo sen. — Rev. 20:6.

Yon moun Bondye chwazi pou al nan syèl ka santi li pa merite bèl privilèj sa a. Men, li pa gen okenn dout Jewova chwazi l. Li vrèman kontan e li gen anpil rekonesans pou esperans li genyen pou l al nan syèl la (1 Pyè 1:3, 4). Èske sa vle di moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ta renmen mouri? Apot Pòl reponn kesyon sa a. Li te konpare kò lachè yo genyen an ak yon tant e li te di: “Anfèt, nou menm ki nan tant sa a, n ap plenn, nou akable. Paske, se pa vle nou vle retire l, men se mete nou vle mete lòt la, dekwa pou lavi ka fini ak sa ki ka mouri a.” ​(2 Kor. 5:4). Kretyen sa yo pa sispann renmen lavi, kòmkwa yo ta vle mouri tousuit. Okontrè, yo renmen lavi e yo vle sèvi Jewova chak jou avèk fanmi yo ak zanmi yo. Men, kèlkeswa sa y ap fè, yo toujou sonje bèl esperans yo genyen pou lavni an. — 1 Kor. 15:53; 2 Pyè 1:4; 1 Jan 3:2, 3. w20.01 23 § 12-13.

Samdi 3 avril

Jewova disipline moun li renmen. — Ebre 12:6.

Papa nou an ki gen lanmou ban nou disiplin lè sa nesesè, e sa fè pati fòmasyon l ap ban nou an. Li disipline nou plizyè fason. Pa egzanp, se gendwa yon bagay nou li nan Pawòl li a oswa nou tande nan reyinyon yo ki korije nou. Oswa se gendwa ansyen yo ki ban nou èd nou bezwen an. Kèlkeswa fason Jewova ban nou disiplin, se toujou lanmou ki pouse l fè sa (Jer. 30:11). Jewova ede nou lè n gen pwoblèm. Menm jan yon papa ki gen lanmou ede pitit li lè yo nan moman difisil, se konsa Papa nou ki nan syèl la pran swen nou lè n gen pwoblèm. Li sèvi ak lespri sen pou l pwoteje nou pou anyen pa kraze relasyon nou gen avè l la (Lik 11:13). Jewova pwoteje nou nan domèn afektif tou. Pa egzanp, li ban nou yon esperans estrawòdinè. Esperans li ban nou an ede nou andire difikilte. Fè yon ti reflechi: Kèlkeswa bagay mal ki rive nou, Papa nou an ki renmen nou ap repare sa. Kèlkeswa eprèv nou rankontre se pou yon ti tan yo la, men, benediksyon Jewova bay yo la pou toutan. — 2 Kor. 4:16-18. w20.02 5 § 14-15.

Dimanch 4 avril

Mantalite nou gen nan nou an fè nou toujou anvi divès kalite bagay. — Jak 4:5.

Nou ka genyen konba n ap mennen kont anvi a! Ann pran egzanp frè Jozèf yo. Plizyè ane apre yo te fin mal aji ak Jozèf, yo te rankontre l nan peyi Ejip. Anvan Jozèf te fè frè l yo konnen kiyès li ye toutbon, li te teste yo pou l wè si yo chanje. Li te fè prepare manje pou yo, e nan okazyon sa a, li te bay Benjamen, pi piti frè yo a, plis manje pase lòt yo (Jen. 43:33, 34). Men, lè sa a, pa gen anyen ki te montre frè l yo te anvye sò Benjamen. Okontrè, yo te montre yo gen bonjan sousi pou frè yo a e pou Jakòb, papa yo (Jen. 44:30-34). Piske frè Jozèf yo te sispann gen anvi, yo te kontribye pou gen lapè nan fanmi an ankò (Jen. 45:4, 15). Menm jan an tou, si nou retire tout tras anvi nou gen nan kè nou, n ap kontribye pou kontinye gen lapè nan fanmi nou ak nan kongregasyon nou. Jewova vle nou goumen kont anvi e li vle nou kontinye chèche lapè. Si nou chèche gen imilite, nou kontante n ak sa nou genyen e nou gen rekonesans, nou pap kite plas pou anvi. w20.02 19 § 17-18.

Lendi 5 avril

Mwen renmen Jewova paske li tande vwa m. Li tande m lè m sipliye l pou m mande l sekou. — Sòm 116:1.

Youn nan fason w ka montre Jewova ou gen rekonesans pou lanmou l gen pou ou a se lè w pale avè l nan lapriyè. Plis w ap fè Bondye konnen tètchaje w genyen yo e plis w ap remèsye l pou tout sa l fè pou ou, se plis w ap vin gen lanmou pou li. Plis w ap wè fason Jewova reponn priyè w yo, se plis relasyon w gen avè l la ap vin solid. W ap vin gen konviksyon li konprann ou. Men, pou w vin pwòch ak Jewova, ou bezwen konprann fason l panse. Epitou, ou bezwen konnen sa l vle w fè. Sèl fason w ka rive konnen sa, se lè w etidye Labib, Pawòl li a. Donk, aprann gen rekonesans pou Labib. Se sèl nan Bib la w ap jwenn laverite sou Jewova ak sou objektif li gen pou ou. Ou montre w gen rekonesans pou Bib la lè w li l chak jou, lè w prepare etid ou e lè w aplike sa w aprann yo (Sòm 119:97, 99; Jan 17:17). Èske w gen yon pwogram pou w li Bib la? Èske w suiv pwogram sa a, lè w fè tout sa w kapab pou w li Bib la chak jou? w20.03 5 § 8-9.

Madi 6 avril

Li te konn rezone [...] ak moun li te rankontre. — Tra. 17:17.

Si w pa ka mache anpil, petèt ou ka chita yon kote anpil moun konn pase e w ka preche moun k ap pase yo. Oswa, ou ka gen posiblite pou w pale ak moun ou rankontre nan lòt okazyon, ou ka ekri lèt, oswa w ka bay temwayaj nan telefòn. Gen anpil pwoklamatè ki gen gwo pwoblèm sante ki jwenn anpil kè kontan ak satisfaksyon lè yo preche lòt fason sa yo. Menmsi nou ta gen pwoblèm sante, nou ka akonpli sèvis nou nèt. Men sa apot Pòl te di: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” ​(Flp. 4:13). Pòl te bezwen fòs sa a lè l te vin malad pandan youn nan vwayaj li te fè antanke misyonè. Men sa l te esplike moun Galasi yo: “Se yon maladi m te genyen ki te ban m okazyon anonse nou bon nouvèl la premye fwa a.” ​(Gal. 4:13). Menm jan an tou, pwoblèm sante w genyen yo ka ba w okazyon pou w bay lòt moun bon nouvèl la, tankou doktè, enfimyè ak pwofesyonèl lasante yo. Anpil nan moun sa yo nan travay lè pwoklamatè yo pase preche yo lakay yo. w19.04 4-5 § 10-11.

Mèkredi 7 avril

Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. — 2 Tim. 3:12.

Nan ane 2018, te gen plis pase 223 000 pwoklamatè bon nouvèl la nan peyi kote yo entèdi aktivite nou yo oswa yo mete gwo restriksyon sou aktivite nou. Men, sa pa fè nou sezi. Vrè kretyen yo atann pou yo jwenn pèsekisyon. Kèlkeswa kote n ap viv, otorite nan gouvènman yo ka mete entèdiksyon bridsoukou e sanzatann pou nou pa adore Jewova, Bondye nou an nou renmen anpil la. Si yon gouvènman entèdi travay n ap fè a, nou gendwa mal konprann sa epi nou panse sa rive poutèt nou pa gen benediksyon Bondye. Men, sonje sa, lè nou jwenn pèsekisyon, sa pa vle di nou pèdi favè Jewova. Ann pran egzanp apot Pòl. Pa gen dout nan sa, li te gen favè Bondye. Li te gen privilèj pou l ekri 14 lèt nan Liv ki te ekri an grèk yo, e li te yon apot pou nasyon yo. Poutan, li te jwenn gwo pèsekisyon (2 Kor. 11:23-27). Egzanp apot Pòl montre Jewova konn pèmèt sèvitè fidèl li yo jwenn pèsekisyon. w19.07 8 § 1, 3.

Jedi 8 avril

Nou nan yon konba [...] kont espri mechan yo ki nan syèl la. — Efe. 6:12.

Youn nan pi bèl fason Jewova montre li sansib pou nou antanke sèvitè l se lè l ede nou pou n reziste kont ènmi nou yo. Pi gwo ènmi nou se Satan ak demon yo. Jewova ban nou avètisman kont ènmi sa yo e li ban nou sa nou bezwen pou nou reziste kont yo (Efe. 6:10-13). Lè nou aksepte èd Jewova e nou konte sou li nèt, nou ka rive opoze ak Dyab la. Nou ka gen menm asirans apot Pòl te genyen an. Men sa l te ekri: “Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou?” ​(Wom. 8:31). Antanke vrè kretyen, nou pa konsantre atansyon nou twòp sou Satan ak demon yo. Nou plis konsantre atansyon nou sou aprann konnen Jewova epi sèvi l (Sòm 25:5). Sepandan, nou bezwen konn fason Satan aji. Poukisa? Pou n pa kite l twonpe nou. — 2 Kor. 2:11, nòt. w19.04 20 § 1-2.

Vandredi 9 avril

Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale. — Jak 1:19.

Èske nou montre nou se moun ki konn koute lè n devan yon moun ki gen pwoblèm? Byen koute mande plis pase annik ret la ap koute l san n pa di anyen. Nou ka montre konpasyon ak kè sansib pou lòt moun lè n ap koute yo. Pafwa, kèk bèl ti pawòl nou di, toutpandan n ap veye sa n ap di, ka montre jan nou santi nou. Ou ta kapab di: “Sa k rive w la fè m mal anpil!” Petèt ou ka poze moun ki nan lapenn nan youn oswa de kesyon pou w wè si w konprann sa l ap di a. Petèt, ou kapab di: “Tanpri, ede m konprann sa w vle di” oswa “Lè w di sa, men sa m konprann... Èske m byen konprann?” Lè nou demontre lanmou fason sa a, sa ka bay moun nan asirans nou vrèman ap koute l e n ap eseye chèche konprann (1 Kor. 13:4, 7). Men, veye pou nou pa “prese pale”. Pa entèwonp moun nan pou n ba l konsèy oswa pou n korije fason l panse. Epitou, se pou nou gen pasyans! Olye n eseye bay solisyon, montre nou gen konpasyon ak kè sansib. — 1 Pyè 3:8. w19.05 17-18 § 15-17.

Samdi 10 avril

Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li. — Efe. 5:25.

Yon mari dwe renmen madanm li “menm jan Kris te renmen kongregasyon an”. (Efe. 5:28, 29.) Yon mari dwe demontre yon lanmou ki mache ak sakrifis, menm jan ak Kris, lè l mete bezwen madanm li ak sa ki enterese madanm li anvan bezwen pa l. Gen kèk gason ki ka twouve l difisil pou yo demontre yon lanmou konsa, petèt paske yo te leve nan yon anviwònman kote yo pa t bay sa valè. Li ka difisil pou yo rejte move abitid yo te genyen yo, men yo dwe fè chanjman sa yo pou yo ka obeyi lalwa Kris la. Lè yon mari demontre yon lanmou ki mache ak sakrifis, madanm li ap respekte l. Yon papa ki renmen pitit li toutbon pap janm fè yo abi, kit se nan sa l ap di kit se nan sa l ap fè (Efe. 4:31). Okontrè, l ap demontre li renmen pitit li e li apwouve yo, dekwa pou pitit li ka santi yo byen e yo an sekirite. Yon papa konsa, pitit li ap renmen l e y ap fè l konfyans. w19.05 6 § 21.

Dimanch 11 avril

Jewova Dye ap ba li twòn David, papa l. Li va dirije tout kay Jakòb la antanke wa pou toutan. — Lik 1:32, 33.

Ki sans pawòl zanj Gabriyèl yo te gen pou Mari? Èske l te panse zanj Gabriyèl te vle di Jezi t ap gen pou l pran plas wa Ewòd oubyen l t ap vin wa Izrayèl lè wa Ewòd pa la ankò? Si Jezi te vin wa, Mari t ap manman wa a, donk li t ap rèn, e fanmi l t ap vin viv nan palè wa a. Sepandan, Bib la pa di Mari te mande pou yo mete l nan gwo pozisyon nan Wayòm nan. Mari se te yon fi ki te gen anpil imilite! Nou pa dwe bliye sa, lè n ap etidye Pawòl Bondye a ak piblikasyon nou yo, prensipal objektif nou se vin pi pwòch Jewova. Epitou, nou bezwen konnen “ki jan” nou ye e ki chanjman nou bezwen fè pou n fè Bondye plezi (Jak 1:22-25; 4:8). Chak fwa nou pral kòmanse etidye, nou ta dwe mande Jewova pou l ban nou lespri sen. Nou dwe sipliye l pou l ede n byen pwofite etid la pou n wè tèt nou jan li menm li wè nou. w19.05 31 § 18-19.

Lendi 12 avril

Mwen [...] anba gwo pwoblèm. — 1 Sam. 1:15.

Pafwa, nou dwe fè fas ak yon pakèt pwoblèm ki bay strès ki vin yon sèl kou. Ann egzamine egzanp ki vin annapre yo. Gen yon Temwen Jewova ki rele Jan ki gen yon maladi grav ki te santi l kraze nèt lè madanm li te kite l apre 19 an maryaj. Mete sou sa, de pitit fi l yo te vin sispann sèvi Jewova. Gen yon mari ak yon madanm ki rele Bob ak Linda ki t ap fè fas ak lòt kalite pwoblèm. Yo toule de te pèdi travay yo, e yo pa t ka peye kay yo te genyen an, konsa yo te pèdi kay yo. Mete sou pwoblèm sa yo, yo te dekouvri Linda te gen yon maladi kè ki te ka touye l, e li te gen yon lòt maladi ki te kòmanse detwi sistèm defans kò l. Nou ka gen asirans Jewova, Kreyatè nou an, Papa nou an ki gen lanmou, konprann fason nou santi nou lè n gen strès. E li vle ede nou fè fas ak pwoblèm nou genyen yo (Fil. 4:6, 7). Pawòl Bondye a gen anpil egzanp ki montre difikilte sèvitè Bondye yo te jwenn. Li montre tou fason Jewova te ede yo fè fas ak sitiyasyon sa yo ki te ba yo strès. w19.06 14 § 2-3.

Madi 13 avril

Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè. — Pwo. 17:17.

Lè nou fè bèl ti aksyon anvè moun ki pa gen mari oswa madanm ankò, nou ba yo asirans nou renmen yo. Se nan moman sa a menm yo bezwen bon zanmi. Ki jan nou ka montre nou se zanmi yo? Nou ka envite yo vin manje yon ti manje tou senp avè nou. E nou ka envite yo pase yon moman avèk nou nan yon ti detant oswa nou ka envite yo preche avèk nou. Yon lòt bagay nou ka fè se envite yo pafwa pou yo vin nan adorasyon an fanmi n ap fè. Si nou fè sa, n ap fè kè Jewova kontan, paske li “toupre moun kè yo ap fann” e li “pwoteje vèv yo”. (Sòm 34:18; 68:5.) Talè konsa, lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a, nou “pral bliye” tout pwoblèm. Se pa ti tann n ap tann moman kote “ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun” e “pap gen bagay konsa nan kè yo”. (Eza. 65:16, 17.) Annatandan, annou youn soutni lòt epi annou montre nou renmen tout frè n ak sè n yo ni nan pawòl nou ni nan aksyon nou. — 1 Pyè 3:8. w19.06 25 § 18-19.

Mèkredi 14 avril

Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. — Ebre 13:6.

Men sa Toudegad te ekri sa gen plizyè ane: “Tank yon moun konnen Bondye, se tank l ap fè l konfyans lè l gen pwoblèm.” Sa a se yon verite! Pou nou ka fè fas ak pèsekisyon, nou dwe renmen Jewova, nou dwe mete tout konfyans nou nan li (Mat. 22:36-38; Jak 5:11). Li Bib la chak jou nan objektif pou nou vin pi pwòch Jewova (Jak 4:8). Pandan w ap li Bib la, konsantre sou bèl kalite Jewova yo. Eseye wè jis nan ki pwen li renmen nou (Egz. 34:6). Gen kèk moun ki gendwa twouve li difisil pou yo kwè Bondye renmen yo paske yo pa janm jwenn moun ki montre yo renmen yo. Si w santi w konsa, eseye fè yon lis bagay ki montre jan Jewova fè w mizèrikòd chak jou ak bon bagay li fè pou ou (Sòm 78:38, 39; Wom. 8:32). Lè w reflechi sou eksperyans pa w e lè w medite sou sa w li nan Pawòl Bondye a, sandout w ap ka wè pakèt bagay Jewova fè pou ou. Tank ou gen rekonesans pou sa Jewova fè se tank relasyon w gen ak Jewova ap vin pi solid. — Sòm 116:1, 2. w19.07 2-3 § 4-5.

Jedi 15 avril

[Nou pap] domine sou lafwa nou, men nou se konpayon travay nou pou nou ka gen lajwa, paske se lafwa nou ki fè nou kanpe. — 2 Kor. 1:24.

Jewova pa ban nou otorite pou n pran desizyon pou lòt moun. Yon moun k ap bay règ ki pa nesesè pap pwoteje frè l, se chèche l ap chèche domine sou lafwa frè l. Satan Ledyab pap sispann chèche pèsekite sèvitè fidèl Jewova yo (1 Pyè 5:8; Rev. 2:10). Satan ak akolit li yo pral eseye entèdi nou adore Jewova. Men, nou pa dwe janm kite laperèz fè nou sispann sèvi Jewova (Det. 7:21)! Jewova avèk nou e l ap kontinye soutni nou menmsi yo entèdi travay predikasyon n ap fè a (2 Kwo. 32:7, 8). Se pou nou pran menm detèminasyon ak frè nou yo nan premye syèk la ki te di yon seri dirijan nan epòk yo a: “Si sa bon nan je Bondye pou nou koute nou olye nou koute Bondye, se nou ki konnen. Men, kanta pou nou menm, nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo.” — Tra. 4:19, 20. w19.07 13 § 18-20.

Vandredi 16 avril

Lide yon moun gen nan kè l tankou dlo ki fon. Men, moun ki entèlijan an rale yo met deyò. — Pwo. 20:5.

Lè n ap preche, nou dwe chèche konprann sa k fè moun nou rankontre yo panse jan yo panse a. Pòl te grandi nan mitan Juif. Se sèten, li te chanje metòd lè l t ap preche moun ki pa Juif yo, moun ki prèske pa t konn anyen sou Jewova ak sou Ekriti yo. Nou ka bezwen fè kèk rechèch yon fason pou n ka mete n nan plas moun nan tèritwa nou an epi chèche konprann yo (1 Kor. 9:20-23). Objektif nou se chèche moun ki byen “dispoze”. (Mat. 10:11.) Pou n ka efikas, nou dwe ankouraje moun yo di sa yo panse epi pran san nou pou n koute yo. Gen yon frè nan peyi Angletè ki renmen mande moun yo sa yo panse sou fason pou moun gen kè kontan nan maryaj yo, fason pou moun leve timoun ak fason pou moun fè fas ak enjistis. Apre l fin tande sa yo di, li di moun yo: “Ki sa nou panse sou konsèy sa a yo te ekri sa gen prèske 2 000 an?” Apre sa, li montre moun yo vèsè li te byen chwazi nan telefòn li san l pa di yo se Bib la. w19.07 21-22 § 7-8.

Samdi 17 avril

Men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou. — Wom. 5:8.

Jis nan ki pwen nou dwe renmen Bondye? Jezi te reponn kesyon sa a lè l te di yon Farizyen: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.” ​(Mat. 22:36, 37). Nou pa vle anyen anpeche nou renmen Bondye ak tout kè nou. Epitou, nou vle pou lanmou nou gen pou li a vin pi plis chak jou. Pou nou renmen Bondye, nou bezwen konnen l. Men sa Bib la di: “Yon moun ki pa gen lanmou pa rive konn Bondye, paske Bondye se lanmou.” ​(1 Jan 4:8). Apot Pòl te fè konnen lanmou nou gen pou Bondye a ta dwe vin pi plis toutpandan n ap vin gen yon “konesans egzak [...] avèk yon konpreyansyon total” sou Bondye (Flp. 1:9). Lè nou te fèk kòmanse etidye Labib, lanmou nou te vin gen pou Bondye a te baze sou yon konesans ki limite sou kalite estrawòdinè li genyen yo. Apre sa, plis nou aprann konnen Jewova, se plis n ap renmen l. Se poutèt sa li enpòtan anpil pou nou etidye Labib regilyèman e pou nou byen medite sou sa nou li yo. — Flp. 2:16. w19.08 9 § 4-5.

Dimanch 18 avril

De pi bon pase youn. — Ekl. 4:9.

Si w resevwa yon nouvo asiyasyon, ou bezwen fè lòt zanmi nan nouvo asiyasyon w vin genyen an. Sonje sa, pou w gen yon zanmi ou bezwen montre w se yon zanmi. Fè lòt moun konnen bèl eksperyans Jewova pèmèt ou fè nan sèvis li, konsa y ap wè kè kontan w genyen. Si w oblije kite asiyasyon w akoz pwoblèm sante moun ou marye avè l la genyen, pa repwoche l pou sa. Yon lòt bò, si se ou menm ki gen pwoblèm sante, pinga w santi w koupab kòmkwa se ou ki lakòz li pa nan sèvis la ankò. Sonje nou se “yon sèl chè”, e devan Jewova, youn te pwomèt l ap pran swen lòt kèlkeswa sa k rive (Mat. 19:5, 6). Si nou te kite asiyasyon nou paske nou vin gen yon pitit san nou pa t atann, fè pitit nou konnen li pi enpòtan pou nou pase asiyasyon nou te genyen an. Toujou fè pitit nou konnen nou konsidere l kòm yon “rekonpans” Bondye ba nou (Sòm 127:3-5). Epitou, fè pitit nou konnen bèl eksperyans nou te fè nan asiyasyon nou te genyen an. Lè n fè sa, sa ka pouse pitit nou antre nan sèvis aplentan, menm jan nou menm nou te fè sa. w19.08 22 § 10-11.

Lendi 19 avril

Mwen pral montre w jijman yo pral egzekite sou gwo pwostitye [a]. — Rev. 17:1.

Gran Babilòn nan, ki reprezante tout fo relijyon ki gen nan monn nan, fè anpil moun derespekte non Bondye. Li anseye manti sou Bondye. Li fè pwostitisyon ak dirijan yo sou tè a lè l fè yon seri alyans avèk yo. Li sèvi ak pouvwa l ak enfliyans li pou l eksplwate moun ki anba men l yo. E li fè anpil san koule, san wete san sèvitè Bondye yo (Rev. 18:24; 19:2). Jewova pral sèvi ak “dis kòn” “yon bèt sovaj wouj vif” pou l detwi “gwo pwostitye” a. Bèt sovaj senbolik sa a reprezante Nasyonzini. Dis kòn yo reprezante pisans politik yo ki la kounye a k ap soutni òganizasyon sa a. Nan moman Bondye fikse a, pisans politik sa yo pral atake Gran Babilòn nan. “Y ap dechèpiye l, y ap mete l toutouni”, sa vle di y ap piye richès li yo e y ap montre jan l mechan (Rev. 17:3, 16). Destriksyon rapid sa a k ap fèt kòmsi se nan yon sèl jou ap fè tout moun ki te konn ede l yo sezi, paske sa fè lontan depi l ap fè grandizè, li te konn di: “Mwen pap janm nan lapenn.” — Rev. 18:7, 8. w19.09 10 § 10-11.

Madi 20 avril

Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m. — Mat. 11:29.

Se tout moun Jezi fè envitasyon sa a. Jezi pap janm repouse yon moun ki vle sèvi Bondye ak tout kè l (Jan 6:37, 38). Tout disip Kris yo gen responsablite pou yo patisipe nan travay Jewova te mande Jezi fè a. Nou mèt gen asirans Jezi ap toujou la pou ede nou fè travay sa a (Mat. 28:18-20). Moun ki te gen imilite yo te renmen al kot Jezi (Mat. 19:13, 14; Lik 7:37, 38). Poukisa? Gade ki diferans ki te genyen ant Jezi ak Farizyen yo. Chèf relijye sa yo te san lanmou e yo te awogan (Mat. 12:9-14). Jezi te renmen moun e li te gen imilite. Farizyen yo te gen anbisyon e yo te gen ògèy akoz gwo pozisyon yo te gen nan sosyete a. Jezi pa t ankouraje moun gen anbisyon e l te anseye disip li yo pou yo gen imilite e pou yo sèvi lòt moun (Mat. 23:2, 6-11). Farizyen yo te konn fè lòt moun pè e yo te konn entimide yo pou yo ka domine sou yo (Jan 9:13, 22). Jezi te aji avèk lanmou ak moun yo e l te konn di pawòl ki janti pou l ba yo fòs. Èske w aprann leson sa yo nan men Jezi? w19.09 20 § 1; 21 § 7-8; 23 § 9.

Mèkredi 21 avril

Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. — Jak 4:8.

Reyinyon yo ede nou vin pi pwòch Jewova. Fason nou konsidere reyinyon yo kapab fè nou wè nan ki pwen n ap rive kenbe djanm lè nou jwenn pèsekisyon alavni (Ebre 10:24, 25). Sa k fè sa? Si depi kounye a nou kite nenpòt ti pwoblèm fè nou pa asiste reyinyon, ki sa k ap rive alavni lè nou oblije fè fas ak gwo danje pou nou reyini ak kwayan parèy nou? Yon lòt bò, si nou deja detèmine pou nou asiste reyinyon, nou pap sispann asiste yo lè moun ki opoze ak nou eseye anpeche nou reyini ansanm. Se depi kounye a nou bezwen chèche renmen reyinyon nou yo anpil. Lè nou renmen asiste reyinyon, pa gen okenn opozan k ap ka fè nou sispann obeyi Bondye pou n obeyi lèzòm, pa menm gouvènman yo (Tra. 5:29). Aprann vèsè ou pi renmen yo pakè (Mat. 13:52). Se vre, ou gendwa pa gen bon memwa, men Jewova ka sèvi ak lespri sen pou l fè w sonje vèsè sa yo (Jan 14:26). Vèsè sa yo ap ede w pou w rete pwòch Jewova e pou w andire fidèlman. w19.07 3 § 5; 4 § 8-9.

Jedi 22 avril

Met sa nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. — 2 Tim. 3:1.

Èske w fèt apre ane 1914? Si se wi, ou pase tout lavi w nan “dènye jou” sistèm ki la kounye a. Nou tout tande pale de evènman Jezi te anonse pou epòk sa a. Sa gen ladan l lagè, rate manje, tranblemanntè, epidemi maladi, mechanste k ap ogmante ak pèsekisyon pèp Jewova a ap sibi (Mat. 24:3, 7-9, 12; Lik 21:10-12). Mete sou sa, nou wè moun yo ap aji fason apot Pòl te anonse a. Antanke adoratè Jewova, nou gen konviksyon n ap viv nan “dènye jou yo”. (Miche 4:1.) Piske gen anpil tan ki pase depi 1914, kounye a nou dwe ap viv nan dènye pati “dènye jou yo”. Etandone lafen an pre konsa, nou bezwen konn repons kèk kesyon enpòtan: Ki evènman ki pral rive nan fen “dènye jou yo”? Ki sa Jewova atann pou nou fè pandan n ap tann evènman sa yo? w19.10 8 § 1-2.

Vandredi 23 avril

Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove. — Mat. 24:13.

Se pa lè bagay yo bon sèlman nou kapab andire. Nou ka gen plis andirans lè nou konte sou Jewova (Wom. 12:12). Pwomès Jezi fè nan tèks pou jounen an vle di nou dwe rete fidèl malgre kèlkeswa difikilte nou jwenn. Lè nou andire chak eprèv depi kounye a, n ap ka vin pi djanm depi anvan gwo tribilasyon an kòmanse. Menm jan nou bezwen konte sou Jewova pou nou gen andirans, se konsa tou nou bezwen konte sou li pou nou gen kouraj toutbon. Ki jan nou ka konte sou li plis toujou? Se lè nou li Pawòl li a chak jou e nou medite sou fason li te delivre pèp li a nan tan lontan (Sòm 68:20; 2 Pyè 2:9). Lè nasyon yo atake nou pandan gwo tribilasyon an, n ap bezwen met plis kouraj sou nou e n ap bezwen met konfyans nou nan Jewova plis toujou (Sòm 112:7, 8; Ebre 13:6). Si nou konte sou Jewova depi kounye a, n ap gen kouraj n ap bezwen an lè Gòg pral atake nou. Nou gen garanti nou ka toujou ret an sekirite anba bonjan pwoteksyon Jewova bay. — 1 Kor. 13:8. w19.10 18 § 15-16.

Samdi 24 avril

Lemonnantye anba pouvwa Mechan an. — 1 Jan 5:19.

Dyab la gen kontwòl sou sistèm ki la kounye a. Li sèvi avè l pou l pouse nou aji selon dezi natirèl ki nan nou e pou l fè l pi difisil pou nou reziste kont move dezi (Efe. 2:1-3). Objektif li se fè nou gen afeksyon pou lòt bagay yon fason pou nou pa ret atache ak Jewova sèlman. Men sa apot Pyè te di apre l te fin ekri konsènan fen monn Satan an e konsènan monn nouvo k ap vini an: “Byenneme, piske n ap tann bagay sa yo, fè tout sa nou kapab pou alafen li ka jwenn nou san tach, san defo e nan lapè.” ​(2 Pyè 3:14). Lè nou obeyi konsèy sa a e nou fè tout sa n kapab pou nou viv yon fason ki fè Jewova plezi e pou nou adore l jan l mande a, nou montre se ak Jewova sèlman nou atache. Satan ak sistèm li an ap kontinye tante nou pou n bay lòt bagay premye plas nan lavi nou olye nou bay Jewova premye plas la (Lik 4:13). Men, kèlkeswa pwoblèm nou jwenn, nou pap kite pèsonn ni anyen pran plas Jewova nan kè nou. Nou pran detèminasyon pou n atache ak Jewova sèlman paske li merite sa! w19.10 27 § 4; 31 § 18-19.

Dimanch 25 avril

Peche m nan t ap boulvèse m anpil. — Sòm 38:18.

Pafwa li bon pou n enkyete n. Pa egzanp, li nòmal pou nou enkyete n pou n rive fè Jewova ak Jezi plezi (1 Kor. 7:32). Si nou fè yon peche grav, n ap enkyete n pou n ka retounen gen bon relasyon ak Bondye. Nou enkyete n tou pou n fè mari n oswa madanm nou plezi e pou byennèt fanmi nou ak kwayan parèy nou (1 Kor. 7:33; 2 Kor. 11:28). Yon lòt bò, enkyetid ki pa nesesè ka fè n toujou ap enkyete pou n konnen èske n ap gen ase manje ak rad (Mat. 6:31, 32). Sa ka fè nou konsantre sou chèche byen materyèl. Si nou kite sa rive, lafwa nou gen nan Jewova a ap vin febli e n ap vin gen gwo pwoblèm nan domèn espirityèl (Mak 4:19; 1 Tim. 6:10). Oswa, nou ka tonbe nan bay tèt nou anpil pwoblèm pou fè lòt moun plezi. Lè konsa, nou ka plis pè pou moun pa pase nou nan jwèt oswa pou yo pa pèsekite nou olye nou pè pou nou pa rive fè Jewova plezi. Pou n pwoteje tèt nou kont danje sa a, nou dwe sipliye Jewova pou l ban nou lafwa ak kouraj n ap bezwen pou nou fè fas ak pwoblèm sa a. — Pwo. 29:25; Lik 17:5. w19.11 15 § 6-7.

Lendi 26 avril

Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun. — Jak 1:5.

Gen yon seri desizyon enpòtan nou pap janm chanje. Pa egzanp, nou respekte desizyon nou te pran pou nou sèvi Jewova a, e nou detèmine pou nou ret fidèl ak moun nou marye avè l la (Mat. 16:24; 19:6). Men, gen lòt desizyon ki ka bezwen kèk ajisteman. Poukisa? Paske sitiyasyon yo konn chanje. Ki etap nou dwe suiv pou nou pran pi bon desizyon yo? Priye pou w gen sajès. Nou tout “manke sajès” nan kèk domèn. Se sa k fè ou bezwen konte sou Jewova ni lè w ap pran yon desizyon ni lè w oblije chanje desizyon w te pran an. Lè sa a, Jewova ap ede w pou w fè bon chwa. Fè bonjan rechèch. Egzamine Pawòl Bondye a, li piblikasyon òganizasyon Jewova a bay, epi pale ak moun ou ka fè konfyans (Pwo. 20:18). Li enpòtan anpil pou w fè rechèch sa yo anvan w pran desizyon pou w chanje travay, pou w demenaje oswa pou w chwazi ki sa w ap aprann pou w ka ede tèt ou pou w kontinye sèvi Jewova. w19.11 27 § 6-8.

Madi 27 avril

Ala mizè pou mwen! Kiyès ki pral delivre m anba kò sa a k ap mennen m nan lanmò a? — Wom. 7:24.

Erezman, Bondye te pran dispozisyon pou nou jwenn delivrans, oswa libète anba peche. Se Jezi ki pèmèt nou jwenn libète sa a. Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, pwofèt Ezayi te anonse yon gwo liberasyon ki t ap genyen alavni. Gwo liberasyon sa a t ap pi bon lontan pase ane Liberasyon nan Izrayèl tan lontan an. Men sa li te ekri: “Lespri Jewova, Seyè ki Souvren an, sou mwen, paske Jewova chwazi m pou m anonse moun ki gen imilite yo bon nouvèl la. Li voye m pou m panse moun kè yo ap fann yo, pou m fè prizonye yo konnen y ap lib.” ​(Eza. 61:1). Sou kiyès pwofesi sa a reyalize? Pwofesi enpòtan sa a ki gen rapò ak liberasyon te kòmanse akonpli apre Jezi te kòmanse sèvis li. Lè Jezi t al nan sinagòg ki te nan vil Nazarèt la, kote l te grandi a, li te li pawòl sa yo pwofèt Ezayi te ekri yo pou Juif ki te la yo. Jezi te fè konnen pawòl ki vin annapre yo te reyalize sou li. — Lik 4:16-19. w19.12 9-10 § 6-8.

Mèkredi 28 avril

Nou te mete kran sou nou grasa Bondye nou an, pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a anba anpil opozisyon. — 1 Tes. 2:2.

Nou bezwen kouraj pou nou fè fas ak pèsekisyon. Ki sa w ka fè si w manke kouraj? Sonje sa, se pa wotè w, fòs ou oswa kapasite w k ap fè w gen vrè kouraj la. Fè yon ti reflechi sou egzanp David lè l te jèn ki te fè fas ak Golyat. Bon, lè nou konpare David ak Golyat ki te yon jeyan, nou ka wè David te parèt piti, li te gen mwens fòs pase l e li pa t gen bonjan ekipman pou konba a. David pa t menm gen yon epe. Men, li te gen anpil kouraj. David te kouri ak tout fòs pou l al batay ak jeyan sa a ki te awogan. Sa k fè David te gen kouraj konsa? Li te kwè toutbon Jewova avè l (1 Sam. 17:37, 45-47). David pa t ret ap gade jan Golyat pi gwonèg pase l. Olye de sa, li te konsantre l sou jan Golyat toupiti devan Jewova. Ki sa nou aprann nan istwa sa a? N ap gen kouraj si nou gen konfyans Jewova avè n e si nou gen konviksyon moun ki opoze avè n yo toupiti devan Bondye Toupisan an. — 2 Kwo. 20:15; Sòm 16:8. w19.07 5 § 11-13.

Jedi 29 avril

Konpayon travay mwen [...] yo vin tounen yon gwo rekonfò pou mwen. — Kol. 4:11.

Tichik te yon moun apot Pòl te ka fè konfyans (Tra. 20:4). Ozanviwon ane 55 epòk nou an, Pòl te òganize travay ranmase kòb pou ede kretyen ki te nan Jide yo, e petèt li te mande Tichik ede l nan travay enpòtan sa a (2 Kor. 8:18-20). Annapre, lè yo te met Pòl nan prizon nan vil Wòm premye fwa a, li te itilize Tichik antanke mesaje l. Li te pote lèt ak mesaj ankourajman Pòl te ekri kongregasyon ki te ann Azi yo (Kol. 4:7-9). Tichik se te yon zanmi Pòl te ka fè konfyans (Tit 3:12). Se pa tout kretyen nan epòk sa a Pòl te ka konte sou yo konsa. Ozanviwon ane 65 epòk nou an, pandan Pòl te nan prizon dezyèm fwa a, Pòl te fè konnen gen anpil kretyen nan zòn Azi ki te abandone l, petèt paske yo te pè opozan yo (2 Tim. 1:15). Men, Pòl te ka konte sou Tichik e l te ba l yon lòt asiyasyon (2 Tim. 4:12). Se sèten Pòl te kontan gen yon bon zanmi tankou Tichik. w20.01 10 § 7-8.

Vandredi 30 avril

Se nou menm Bondye fè konnen yo. — 1 Kor. 2:10.

Petèt w ap mande tèt ou si Bondye chwazi w pa mwayen lespri sen. Si sa rive w, reflechi sou kesyon enpòtan ki vin apre yo: Èske w gen yon gwo dezi pou w fè volonte Jewova? Èske w santi w chofe anpil pou w patisipe nan travay predikasyon an? Èske w pran plezi etidye Pawòl Bondye a e w renmen aprann “bagay pwofon Bondye yo”? Èske w santi Jewova fè w jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an? Èske w santi nan fon kè w ou gen responsablite pou w ede lòt moun konn Jewova? Èske w gen prèv Jewova te ede w nan plizyè domèn nan lavi w? Si w reponn wi pou kesyon sa yo, èske sa vle di Bondye chwazi w pou w al nan syèl? Non. Sa k fè sa? Se paske tout sèvitè Bondye kapab santi yo konsa. Anfèt, si w ap mande tèt ou èske Bondye chwazi w pa mwayen lespri sen, sa sèlman gentan montre li pa chwazi w. Moun ki resevwa apèl pou al nan syèl yo pa konn ap mande tèt yo si Jewova chwazi yo oubyen si l pa chwazi yo! Yo konnen! w20.01 23 § 14

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje