BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es21
  • Me

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Me
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
  • Soutit
  • Samdi 1ye me
  • Dimanch 2 me
  • Lendi 3 me
  • Madi 4 me
  • Mèkredi 5 me
  • Jedi 6 me
  • Vandredi 7 me
  • Samdi 8 me
  • Dimanch 9 me
  • Lendi 10 me
  • Madi 11 me
  • Mèkredi 12 me
  • Jedi 13 me
  • Vandredi 14 me
  • Samdi 15 me
  • Dimanch 16 me
  • Lendi 17 me
  • Madi 18 me
  • Mèkredi 19 me
  • Jedi 20 me
  • Vandredi 21 me
  • Samdi 22 me
  • Dimanch 23 me
  • Lendi 24 me
  • Madi 25 me
  • Mèkredi 26 me
  • Jedi 27 me
  • Vandredi 28 me
  • Samdi 29 me
  • Dimanch 30 me
  • Lendi 31 me
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
es21

Me

Samdi 1ye me

Di nou sa pou n fè pou timoun ki pral fèt la. — Jij 13:8.

Ki bagay konsa paran yo ka fè pou ede pitit yo aprann renmen Jewova? Jan Manowa te fè sa, se pou w priye Jewova pou l ede w. Epi, bay bon egzanp. Sa w di enpòtan, men, sa w fè ka gen pi gwo efè sou pitit ou. Se sèten Jozèf ak Mari te bay pitit yo, san wete Jezi, bonjan egzanp. Jozèf te travay di pou l pran swen fanmi l. Mete sou sa, Jozèf te ankouraje moun lakay li pou yo bay adorasyon Jewova a anpil enpòtans (Det. 4:9, 10). Jozèf te mennen fanmi l avèk li Jerizalèm “chak ane” pou patisipe nan fèt Pak la (Lik 2:41, 42). Gen kèk papa nan epòk sa a ki te ka twouve vwayaje ak tout yon fanmi se yon bagay ki difisil, ki pran anpil tan e ki koute anpil kòb. Epoutan, tout moun te ka wè Jozèf se yon moun ki renmen Jewova e ki aprann pitit li fè menm jan an. Mari te byen konn Ekriti yo tou. Pa gen dout, li te anseye pitit li yo pou yo renmen Pawòl Bondye a, li te fè sa ni nan pawòl li ni nan aksyon l. w19.12 24-25 § 9-12.

Dimanch 2 me

Yo vann mwen bay peche. — Wom. 7:14.

Nou wè prèv ki montre Jewova renmen nou nan fason li te reyaji lè Adan te dezobeyi a. Lè Adan te dezobeyi Papa l ki nan syèl la, li te pèdi plas li nan fanmi Jewova a ki gen kè kontan, e li te fè desandan l yo pèdi plas sa a tou (Wom. 5:12). Men, Jewova te aji pou l ede desandan Adan yo. Jewova te pini Adan, men, li te bay desandan Adan ki t apral fèt yo yon espwa. Lamenm, li te pwomèt pou moun ki obeyisan yo vin fè pati fanmi l ankò (Jen. 3:15; Wom. 8:20, 21). Jewova te pran dispozisyon sa a sou baz sakrifis ranson Jezi a, Pitit Gason li renmen anpil la. Lefètke Jewova te bay Pitit li a pou nou, sa montre li renmen nou anpil (Jan 3:16). Li se pi bon Papa ki genyen an. Li tande priyè nou e li ban nou sa nou bezwen pou nou viv ak sa nou bezwen pou nou gen bon relasyon avè l. Li ban nou fòmasyon e li ede nou. Mete sou sa, li sere yon pakèt benediksyon pou nou. Se pa ti kontan nou kontan konnen Papa nou an renmen nou e li pran swen nou! w20.02 6 § 16-17; 7 § 20.

Lendi 3 me

Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m. — Sòm 94:19.

Èske w konn santi tèt ou chaje? Petèt se akoz yon bagay yon moun di oswa akoz fason yon moun aji. Oubyen akoz yon bagay ou te di oswa ou te fè. Pa egzanp, ou ka fè yon peche epi w ap mande tèt ou si Jewova ap janm padone w. Sa k pi rèd la, ou ka kwè se paske w pa gen lafwa oubyen se paske w se yon move moun ki fè w gen anpil tètchaje konsa. Ann pran egzanp kèk moun Bib la pale de yo. Ana, manman Samyèl, se te yon dam ki te gen anpil lafwa. Epoutan, li te gen anpil tètchaje lè yon moun lakay li te mal aji avè l (1 Sam. 1:7). Apot Pòl te gen yon lafwa solid, men li te enkyete anpil “pou tout kongregasyon yo”. (2 Kor. 11:28.) Wa David te tèlman gen yon lafwa solid, sa te fè Jewova renmen l anpil (Tra. 13:22). Aktout sa, David te fè yon seri peche grav ki te ba l anpil tètchaje (Sòm 38:4). Jewova te konsole yo chak e li te soulaje yo. w20.02 20 § 1-2.

Madi 4 me

Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li. — Mat. 16:24.

Lè w vwe lavi w, ou fè yon priyè sensè kote w fè Jewova konnen w ap itilize lavi w pou w sèvi l pou toutan. Lè w vwe Bondye lavi w, ou “nye” tèt ou. Kounye a se pou Jewova ou ye, e sa se yon gwo privilèj (Wom. 14:8). Se kòmsi w di l apati kounye a, sa k pi enpòtan pou ou se sèvi l, men se pa fè tèt ou plezi. Lè w vwe Bondye lavi w, ou fè yon ve, sa vle di, ou fè l yon pwomès ki serye. Jewova pa fòse n fè yon ve konsa. Men, lè nou vwe Jewova lavi n, li atann pou nou kenbe pwomès nou fè l la (Sòm 116:12, 14). Ve w fè a se yon bagay ki pèsonèl ou fè an prive, se yon bagay ki ant ou menm ak Jewova. Batèm se yon bagay ki fèt an piblik, li fèt devan moun, byen souvan nan yon asanble oubyen yon kongrè. Lè w batize, ou montre lòt moun ou deja vwe Jewova lavi w. Donk, lè w batize, sa montre lòt moun ou renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou e w detèmine pou w sèvi l pou toutan. — Mak 12:30. w20.03 9 § 4-5.

Mèkredi 5 me

Pa kite pèsonn pran tèt nou. — 2 Tes. 2:3.

Satan chèche fè moun bliye Jewova. Apre lanmò apot Jezi yo, gen yon seri swadizan kretyen ki te kòmanse gaye fo ansèyman (Tra. 20:29, 30). Aposta sa yo te kòmanse fè l difisil pou moun konnen kiyès sèl vrè Dye a ye. Pa egzanp, yo te sispann sèvi ak non Bondye lè yo t ap refè bib yo genyen yo e yo te pito sèvi ak yon seri ekspresyon tankou “Seyè”. Lefètke yo te retire non Bondye epi yo te mete “Seyè” nan plas li, sa te fè l difisil pou yon moun k ap li Bib la wè Jewova pa menm ak lòt “seyè” Bib la pale de yo (1 Kor. 8:5). Yo te sèvi ak menm mo “Seyè” a ni pou Jewova ni pou Jezi, e sa te fè li difisil pou moun konprann Jewova ak Pitit Gason l lan se pa menm moun nan e yo pa gen menm pozisyon (Jan 17:3). Piske sa lage moun nan konfizyon, sa fè doktrin Trinite a vin pran pye, yon doktrin Pawòl Bondye a pa anseye. Kòm rezilta, pou anpil moun, Bondye se yon mistè e yo kwè yo pa ka konnen l. Sa a se yon gwo manti! — Tra. 17:27. w19.06 5 § 11.

Jedi 6 me

Akonpli sèvis ou nèt. — 2 Tim. 4:5.

Yon fason nou ka akonpli sèvis nou nèt se lè nou amelyore jan nou preche (Pwo. 1:5; 1 Tim. 4:13, 15). Se pa ti privilèj nou genyen dèske Jewova aksepte nou kòm “konpayon travay” li (1 Kor. 3:9)! Lè nou “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo” e lè nou bay travay predikasyon an priyorite, n ap ka “sèvi Jewova ak kè kontan”. (Flp. 1:10; Sòm 100:2.) Antanke sèvitè Bondye, ou ka gen asirans l ap ba w fòs ou bezwen pou w akonpli sèvis ou nèt kèlkeswa difikilte oswa anpechman ou ta ka jwenn (2 Kor. 4:1, 7; 6:4). Kit sitiyasyon w pa pèmèt ou preche anpil, kit li pèmèt ou preche anpil, ou ka “gen rezon pou [w] rejwi” lè w patisipe nan travay predikasyon an ak tout nanm ou (Gal. 6:4). Lè w akonpli sèvis ou nèt, ou montre w renmen Jewova e w renmen pwochen w. “Lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w.” — 1 Tim. 4:16. w19.04 6 § 15; 7 § 17.

Vandredi 7 me

Satan [...] ap twonpe lemonnantye. — Rev. 12:9.

Youn nan prensipal fason Satan ak demon yo eseye twonpe moun se pa mwayen bagay ki gen rapò ak movèzespri. Moun k ap pratike bagay sa yo vle fè konprann yo konnen bagay moun pa ka konnen nòmalman oswa yo fè konnen yo gen kontwòl sou bagay sa yo. Pa egzanp, gen kèk moun ki fè konnen divinò oswa astwològ ka fè yo konnen lavni. Gen lòt ki vle fè konprann yo konn pale ak moun ki mouri. Gen moun ki konn fè fetich oswa maji e yo ka eseye fè wanga dèyè moun. Gen yon ankèt yo te fè nan 18 peyi nan Amerik latin ak nan Karayib la ki montre sou chak twa moun yo fè ankèt la, gen anviwon yon moun ki kwè nan maji, nan wanga oswa nan fetich, e prèske menm kantite a kwè li posib pou moun kominike ak espri. Yo te fè yon lòt ankèt nan 18 peyi ann Afrik. Li te montre plis pase mwatye nan moun yo te kontakte yo di yo kwè nan maji oswa wanga. Nòmalman, kèlkeswa kote n ap viv nou dwe pran prekosyon ak bagay ki gen rapò ak movèzespri. w19.04 20-21 § 3-4.

Samdi 8 me

Veye pou pa gen moun nan mitan nou k ap fè imoralite seksyèl. — Ebre 12:16.

Jewova Dye rayi tout kalite mechanste (Sòm 5:4-6). Se pa ti rayi li rayi abi seksyèl sou timoun, yon move aksyon ki bay anpil repiyans! Menm jan ak Jewova, nou menm tou antanke Temwen l, nou rayi lè moun fè abi seksyèl sou timoun e nou pa tolere sa nan kongregasyon an (Wom. 12:9). Kèlkeswa abi seksyèl moun fè sou timoun, se yon aksyon ki kontrè nèt ak “lalwa Kris la”! (Gal. 6:2.) Tout sa Jezi te anseye nan pawòl li ak nan aksyon l, baze sou lanmou e li pèmèt gen jistis. Kòm vrè kretyen yo kite lwa sa a dirije yo, yo aji ak timoun yon fason ki fè timoun yo santi yo byen e ki fè yo santi yo renmen yo toutbon. Men, lè yon moun fè abi seksyèl sou timoun, se yon aksyon ki montre jan l egoyis e se yon enjistis ki fè yon timoun santi pa gen okenn moun k ap pwoteje l e ki renmen l. Malerezman vrè kretyen yo pa epaye anba flewo sa a. Paske vin gen plis “moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam”, e gen kèk ladan yo ki ka eseye antre nan kongregasyon an (2 Tim. 3:13). Mete sou sa, gen kèk moun ki pran pòz yo fè pati kongregasyon an alòske yo kite yon seri vye dezi lachè anvayi yo, e sa fè yo lage kò yo nan fè abi seksyèl sou timoun. w19.05 8 § 1-3.

Dimanch 9 me

Lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas. — Jak 5:16.

Yon moun ki santi l kraze anpil ka santi l pa merite pwoche bò kote Jewova nan lapriyè. Si n ta vle konsole yon moun konsa, nou ka priye avè l epi site non l nan priyè a. Nou ka di Jewova jan nou apresye moun sa a k ap soufri a e jan moun nan kongregasyon an renmen l. Nou ka mande Jewova pou l soulaje ti mouton l lan ki gen anpil valè pou li e pou l konsole l. Priyè konsa ka konsole moun nan anpil. Reflechi anvan w pale. Pawòl moun di san reflechi ka blese lòt moun, pawòl moun di ki janti ka geri yo (Pwo. 12:18). Se sa k fè nou bezwen priye Jewova pou l ede nou jwenn pawòl ki janti, ki kapab konsole moun e ki ka soulaje yo. Toujou sonje pa gen pawòl ki gen plis fòs pase pawòl Jewova di nou jwenn nan Bib la (Ebre 4:12). Lè nou konsole lòt moun, nou fè yo sonje Jewova renmen yo. E nou pa dwe janm bliye Jewova se yon Bondye ki gen jistis lakay li. Jewova wè chak abi seksyèl, menmsi lòt moun pa konn sa. Jewova wè tout bagay, e li pap kite moun ki fè move aksyon e ki pa repanti yo rete san pinisyon. — Nonb 14:18. w19.05 18 § 18; 19 § 19, 21.

Lendi 10 me

Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm. — Kol. 2:8.

Satan vle fè nou vire do bay Jewova. Pou l rive fè sa, li eseye chanje fason n panse pou l ka kontwole lespri nou e pou l ka fè nou obeyi l. Li eseye konvenk nou oswa li eseye twonpe n pou n suiv li lè l sèvi ak yon seri bagay pou atire nou (Kol. 2:4). Èske li posib pou Satan twonpe nou vre? Wi, li posib! Sonje sa, Pòl pa t ekri avètisman nou jwenn nan Kolosyen 2:8 la pou moun ki pa kwayan. Li te ekri l pou kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen pou y al nan syèl (Kol. 1:2, 5). Si kretyen nan epòk sa a te dwe veye pou Satan pa twonpe yo, alewè pou nou menm jodi a (1 Kor. 10:12)! Sa k fè sa? Kounye a, se ozalantou tè a Satan ye menm e objektif li se twonpe sèvitè fidèl Bondye yo (Rev. 12:9, 12, 17). Mete sou sa, n ap viv nan yon epòk kote moun ki mechan ak moun ki mètdam “ap vin pi mal toujou”. — 2 Tim. 3:1, 13. w19.06 2 § 1-2.

Madi 11 me

Mwen pa kapab ankò! O Jewova, se pou w pran lavi m kounye a. — 1 Wa 19:4.

Eli te vin pè lè rèn Jezabèl te di l ap touye l. Se sa k fè li te kouri al nan zòn Beyècheba. Li te tèlman dekouraje li te “mande Bondye pou l mouri”. Ki sa k fè l te santi l konsa? Eli te yon moun ki enpafè, “yon moun menm jan avèk nou”. (Jak 5:17.) Petèt, li te santi l anba gwo strès e li te fatige pou l mouri. Sanble Eli te panse efò li te fè pou l ankouraje moun yo adore Jewova a se te pou granmesi, li te panse pa t gen anyen ki te amelyore ann Izrayèl e se li menm sèl ki te toujou ap sèvi Jewova (1 Wa 18:3, 4, 13; 19:10, 14). Jewova te konprann jan Eli santi l e li pa t fache sou Eli paske Eli te di jan l santi l. Men, li te ede Eli reprann fòs (1 Wa 19:5-7). Pi devan, avèk jantiyès, Jewova te ede Eli korije fason l panse lè l te montre l pisans li ki estrawòdinè. Apre sa, Jewova te fè l konnen li toujou gen 7 000 Izrayelit ki pa vle adore Baal (1 Wa 19:11-18). Lefètke Jewova te fè sa, li te montre Eli jan l renmen l. w19.06 15-16 § 5-6.

Mèkredi 12 me

Se pou nou soumèt devan ansyen yo. [...] Abiye nou ak imilite nan relasyon nou youn ak lòt, paske Bondye kont moun ki gen ògèy yo. — 1 Pyè 5:5.

Evite pran dwa ki pa pou nou. Si nou suiv enstriksyon nou resevwa nan men frè ki responsab yo, yon seri frè nou fè konfyans, n ap evite pwoblèm. Pa egzanp, nan yon peyi kote yo entèdi travay predikasyon an, frè responsab yo mande pwoklamatè yo pou yo pa kite piblikasyon nan men moun yo. Men, gen yon frè ki pyonye nan zòn sa a ki te santi l pi konnen pase frè yo, epi li te bay moun yo piblikasyon. Ki sa k te rive? Yon ti tan apre, lè li menm ak kèk lòt frè te fin bay temwayaj enfòmèl lapolis te poze yo kesyon. Sanble chèf yo t ap suiv yo e yo te repran piblikasyon yo te bay yo. Ki sa nou aprann nan eksperyans sa a? Nou bezwen suiv enstriksyon nou resevwa, menm lè nou pa fin dakò. Jewova ap toujou beni nou lè nou kowopere ak frè li nome pou pran latèt pami nou yo. — Ebre 13:7, 17. w19.07 12 § 17.

Jedi 13 me

Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. — 2 Tim. 3:12.

Nan nuit anvan yo te touye Jezi, Seyè nou an, li te fè konnen y ap gen pou yo rayi tout moun ki chwazi vin disip li (Jan 17:14). Depi lè sa a, moun ki opoze ak vrè adorasyon an pa sispann pèsekite Temwen Jewova yo, ki se yon seri kretyen ki fidèl. Tank fen sistèm sa a ap pwoche, nou ka atann pou gen plis moun ki pa renmen nou e ki opoze avè n (Mat. 24:9). Ki jan nou ka prepare nou depi kounye a pou nou fè fas ak pèsekisyon? Nou pa bezwen ret ap reflechi sou tout sa k ka rive nou. Si nou ta fè sa, nou t ap vin pè anpil e nou t ap enkyè anpil. Si nou ret ap reflechi sou tout move bagay ki te ka rive nou, sa ka fè nou tèlman pè, nou vin sispann sèvi Jewova depi anvan nou jwenn pwoblèm (Pwo. 12:25; 17:22). Laperèz se yon gwo zam nan men “advèsè nou an, Dyab la”, e l ap chèche mwayen pou l itilize zam sa a sou nou (1 Pyè 5:8, 9). Kidonk, li enpòtan anpil pou n ranfòse relasyon nou ak Jewova e pou nou fè sa depi kounye a. w19.07 2 § 1-3.

Vandredi 14 me

Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. — Mat. 28:19.

Apot yo dwe te kontan anpil lè yo te rasanble sou mòn nan. Apre Jezi fin resisite, li te mande yo pou y al rankontre l nan zòn sa a (Mat. 28:16). Petèt se nan okazyon sa a “li te parèt devan plis pase 500 frè anmenmtan”. (1 Kor. 15:6.) Poukisa Jezi te envite disip li yo nan reyinyon sa a? Pou l te ba yo yon misyon ki estrawòdinè. Li te di yo: “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” ​(Mat. 28:18-20). Disip ki te tande pawòl Jezi te di yo te vin fè pati kongregasyon premye syèk la. Prensipal misyon kongregasyon sa a se te fè plis disip pou Kris. Jodi a, gen plizyè milye kongregasyon sou tè a ki gen vrè kretyen yo ladan yo, e prensipal misyon kongregasyon sa yo se toujou menm bagay la. w19.07 14 § 1-2.

Samdi 15 me

Tè a ret la pou toutan. — Ekl. 1:4.

Gen yon siveyan itineran nan peyi Nòvèj ki di byen souvan moun ki pa renmen pale de Bondye yo konn vle pale sou sa k ap pase nan monn nan. Apre li fin salye moun yo, li konn di: “Ki sa w panse konsènan posiblite pou n vin gen yon pi bon avni? Èske se politisyen yo, syantifik yo oswa yon lòt moun ki tout espwa nou?” Apre l fin byen koute moun nan, li konn li yon vèsè ki pale sou yon bèl avni oswa l site vèsè a. Gen kèk moun ki konn sezi lè yo wè Bib la pwomèt tè a ap la pou toutan e bon moun yo pral viv sou li nètale (Sòm 37:29). L ap bon pou nou sèvi ak divès metòd lè n ap pale ak moun yo. Poukisa? Paske sa k atire yon moun gendwa pa atire yon lòt. Gen kèk moun ki gendwa pa gen pwoblèm pou yo pale de Bondye oswa sou Bib la, tandiske gen lòt ki pi renmen pale sou lòt bagay anvan. Kèlkeswa sitiyasyon an, nou ta dwe pwofite okazyon nou jwenn pou nou pale ak tout kalite moun (Wom. 1:14-16). Se Jewova ki fè laverite grandi nan kè moun ki renmen sa ki dwat yo. — 1 Kor. 3:6, 7. w19.07 22-23 § 10-11.

Dimanch 16 me

Si se konsa Bondye renmen nou, ebyen nou menm tou, nou gen obligasyon pou youn renmen lòt. — 1 Jan 4:11.

Kokenn lanmou Bondye gen pou nou ap pouse nou renmen frè nou yo (1 Jan 4:20, 21). Petèt nou ka panse l ap fasil pou nou kontinye renmen frè n ak sè n yo. Nou ka panse sa paske n ap adore Jewova e n ap fè tout sa n kapab pou nou imite bèl kalite li genyen yo. Nou suiv egzanp Jezi ki tèlman renmen nou, sa fè l bay lavi l pou nou. Epoutan, pafwa nou ka twouve l difisil pou nou obeyi kòmandman ki di pou youn renmen lòt la. Evodi ak Sentich se de sè ki te travay anpil nan sèvis Bondye e ki t ap sèvi “kòtakòt” ak apot Pòl. Epoutan, petèt yo te gen yon mezantant e sa te fè yo vin frèt youn ak lòt. Nan lèt Pòl te ekri kongregasyon kote sè sa yo te ye a, li te site non Evodi ak Sentich dirèkteman e li te ba yo yon konsèy klè “pou yo gen menm panse”. (Flp. 4:2, 3.) Pòl te wè l nesesè pou l di tout kongregasyon an pou yo “kontinye fè tout bagay san plenyen, san diskisyon”. — Flp. 2:14. w19.08 9 § 6-7.

Lendi 17 me

Se pou youn kontinye pote fado lòt. — Gal. 6:2.

Gen anpil kongregasyon ak anpil moun ki merite felisitasyon paske yo fè tout sa yo kapab pou yo ede moun ki nan sèvis aplentan yo pou yo rete nan asiyasyon yo. Yo fè sa lè yo ankouraje yo kontinye nan sèvis la, lè yo ba yo èd nan domèn materyèl, oswa lè yo ede yo pran swen moun nan fanmi yo ki pap viv toupre yo. Si gen moun ki nan sèvis aplentan ki resevwa yon lòt asiyasyon ki vin fè pati kongregasyon w ye a, pa panse se paske yo pa t fè travay yo byen oubyen yo te fè yon bagay ki pa bon ki fè yo chanje yo asiyasyon. Olye de sa, ede yo pou yo ka adapte yo pi fasil. Fè yo konnen ou kontan yo vini nan kongregasyon an epi felisite yo pou travay yo te fè, menmsi pwoblèm sante fè yo pa ka fè tout sa yo vle fè kounye a. Aprann konnen yo. Aprann nan men yo paske yo gen anpil konesans, yo gen fòmasyon ak eksperyans. Okòmansman, moun ki resevwa yon nouvo asiyasyon ka bezwen nou ede yo jwenn kote pou yo abite, transpò, travay ak lòt bagay ki nesesè. w19.08 23-24 § 12-13.

Madi 18 me

M [ap] fè yo wè mwen se yon Dye ki sen nan fason m aji avèk ou, o Gòg. — Eze. 38:16.

Se “sou moun” Gòg pral konte, sa vle di sou pisans militè l yo (2 Kwo. 32:8). Nou menm n ap met konfyans nou nan Jewova, Bondye nou an. Sa ap parèt pa gen sans pou nasyon yo. Paske, “bèt sovaj la” ak “dis kòn” yo fèk fin detwi Gran Babilòn nan ki te gen anpil pouvwa, e dye l yo pa t sove l anba men yo (Rev. 17:16)! Donk, Gòg ap panse l ap ka detwi nou byen fasil. L ap atake pèp Jewova a “menm jan ak nyaj ki kouvri yon peyi”. Men, Gòg pral rann li kont li pran nan pyèj. Menm jan ak Farawon nan Lanmè Wouj la, Gòg ap konprann se kont Jewova l ap goumen (Egz. 14:1-4; Eze. 38:3, 4, 18, 21-23). Kris ak lame l yo ki nan syèl la pral defann pèp Bondye a e yo pral detwi Gòg ak lame l la (Rev. 19:11, 14, 15). Men, ki sa k pral rive Satan, pi gwo ènmi Jewova a, lè l fin bay nasyon yo manti e lè l fin pouse yo atake pèp Bondye a lè lagè Amagedon an? Jezi pral lage ni Satan ni demon l yo nan twou san fon an, kote l ap fèmen yo pou mil an. — Rev. 20:1-3. w19.09 11-12 § 14-15.

Mèkredi 19 me

Kontinye tann li! Paske, l ap reyalize kanmenm. — Aba. 2:3.

Nòmalman n ap tann bon bagay Jewova pwomèt yo. Men, lè sa nou t ap tann yo sanble poko ap rive, sa ka fè nou pa chofe menm jan an. Nou ka menm vin dekouraje (Pwo. 13:12). Sa te rive nan kòmansman 20yèm syèk la. Nan moman sa a, anpil kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl te espere resevwa rekonpans yo nan syèl la an 1914. Lè sa pa t rive, ki sa moun ki fidèl yo te fè lè yo te wè sa yo t ap tann nan pa t reyalize? Yo pa t abandone kous pou lavi a, paske prensipal objektif yo se te pou yo kontinye fè volonte Bondye fidèlman, se pa t pou yo gen yon rekonpans. Yo te detèmine pou yo kouri nan kous la avèk andirans. Se sèten se pa ti anvi ou anvi wè moman kote Jewova pral defann non l, li pral pwouve se fason l dirije a ki bon e li pral reyalize tout pwomès li fè yo. Nou mèt gen asirans bagay sa yo pral rive nan moman Jewova fikse. Annatandan, annou rete okipe nan sèvis n ap bay Bondye nou an, ann pa janm kite sa nou t ap tann yo fè nou dekouraje oswa fè nou ralanti paske yo pa rive nan moman nou t ap tann yo a. w19.08 4-5 § 9-10.

Jedi 20 me

Mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. — Mat. 11:29.

Ou kapab mande tèt ou: ‘Èske yo konnen m kòm moun ki dou e ki gen imilite? Èske m dispoze fè travay ki parèt ba pou m sèvi lòt moun? Èske m janti ak lòt moun?’ Jezi te fè moun ki te ansanm avè l yo santi yo byen e l te mete yo alèz, epi li te renmen ba yo fòmasyon (Lik 10:1, 19-21). Li te ankouraje disip li yo pou yo poze l kesyon e li te renmen tande sa yo panse (Mat. 16:13-16). Menm jan ak plant yo byen pran swen, disip li yo te fè anpil pwogrè. Yo te aprann leson Jezi te anseye yo e bon travay yo te fè te montre yo pwodui fwi. Èske w se yon moun ki gen otorite? Ebyen, mande tèt ou: ‘Ki jan m aji ak moun k ap travay bò kote m oswa ak moun lakay mwen? Èske m fè yo santi yo byen? Èske m ankouraje lòt moun poze kesyon? Èske m dispoze tande sa yo panse?’ Nou pa ta renmen janm sanble ak Farizyen yo ki pa t kontan lè moun pa t kwè yo e ki te mal aji ak moun ki pa t wè bagay yo menm jan avèk yo. — Mak 3:1-6; Jan 9:29-34. w19.09 20 § 1; 23 § 9-11.

Vandredi 21 me

Lè yo va di: “Lapè! Sekirite!”, lè sa a, yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, nan menm moman an. — 1 Tes. 5:3.

Pafwa, dirijan yo nan monn nan sèvi ak yon seri ekspresyon menm jan an lè y ap pale sou fason pou nasyon yo amelyore relasyon yo gen youn ak lòt. Men, anons “Lapè! Sekirite!” Bib la pale de li a se pral yon lòt bagay nèt. Sa k fè sa? Lè yo fè anons sa a, moun yo ka panse dirijan yo nan monn nan reyisi fè monn nan vin an sekirite. Men, an reyalite, “gwo tribilasyon” an pral kòmanse e lè sa a “yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann”. (Mat. 24:21.) Nou pa konnen sa k ap pouse yo fè deklarasyon sa a oswa ki jan sa pral fèt. E nou pa konnen si se pral yon sèl deklarasyon oswa si se yon seri anons yo pral fè. Kèlkeswa sa k rive, gen yon bagay nou konnen: Nou pa dwe janm kite moun twonpe nou pou fè nou panse dirijan yo nan monn nan ka reyisi met lapè sou tè a. Okontrè, se siy k ap montre “jou Jewova a” pral kòmanse! — 1 Tes. 5:2. w19.10 8-9 § 3-4.

Samdi 22 me

Pandan tan sa a, pèp ou a [...] ap chape. — Dàn. 12:1.

Gè Amagedon an pral met yon pwen final nan fen sistèm sa a. Men, nou pa gen anyen pou n pè. Pou ki rezon? Paske se Bondye ki pral fè gè sa a (Pwo. 1:33; Eze. 38:18-20; Zak. 14:3). Lè Jewova pral bay siyal, Jezi Kris pral alatèt lame Bondye a nan gè a. Bò kote l ap gen moun Bondye chwazi ki resisite pou yo viv nan syèl la e ap gen plizyè milye zanj. Y ap met ansanm pou yo goumen kont Satan, demon l yo ak lame yo ki sou tè a (Rev. 6:2; 17:14). Men garanti Jewova bay: “Nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen.” ​(Eza. 54:17). Gen “yon gwo foul” sèvitè fidèl Jewova k ap “soti anba gwo tribilasyon an” vivan! Apre sa, y ap kontinye bay Bondye yon sèvis sakre (Rev. 7:9, 13-17). Labib ban nou anpil rezon pou nou gen asirans n ap sove lè sa a! Nou konnen “Jewova pwoteje moun ki fidèl yo”. (Sòm 31:23.) Tout moun ki renmen Jewova e k ap fè louwanj pou li pral kontan wè lè l ap defann non l ki sen. — Eze. 38:23. w19.10 18-19 § 17-18.

Dimanch 23 me

Yon bon zanmi demontre lanmou toutan. — Pwo. 17:17.

Tank n ap antre pi fon nan “dènye jou yo”, nou ka jwenn eprèv ki rèd anpil (2 Tim. 3:1). Pa egzanp, nan yon peyi ann Afrik delwès, te vin gen gwo dezòd ak anpil vyolans apre yon kanpay elektoral. Pandan plis pase sis mwa, frè n ak sè n yo pa t kapab deplase jan yo vle paske yo te nan yon zòn ki te gen konba. Ki sa k te ede yo fè fas ak difikilte sa yo? Gen kèk ladan yo ki t al abrite yo kay frè ak sè ki t ap viv nan yon zòn ki te an sekirite. Youn nan frè yo te di: “Nan yon sitiyasyon konsa, mwen te kontan gen zanmi m yo bò kote m. Youn te ka ankouraje lòt.” Lè “gwo tribilasyon an” rive, n ap kontan gen bon zanmi ki renmen nou (Rev. 7:14). Se sa k fè li enpòtan anpil pou nou chèche gen bon zanmi depi kounye a (1 Pyè 4:7, 8). Poukisa? Paske ènmi nou yo pral eseye sèvi ak manti ak enfòmasyon ki defòme pou yo lage divizyon nan mitan nou. Yo pral eseye fè nou vin dozado. Men, se tan yo y ap pèdi. Yo pap ka fè nou sispann renmen frè n ak sè n yo. w19.11 2 § 1-2; 7 § 19.

Lendi 24 me

N ap kapab etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou. — Efe. 6:16.

Satan, “papa manti” a, sèvi ak moun ki anba kontwòl li pou l gaye manti sou Jewova e sou frè n ak sè n yo (Jan 8:44). Pa egzanp, aposta yo gaye manti e yo tòde yon seri enfòmasyon konsènan òganizasyon Jewova a sou sit Entènèt e pa mwayen televizyon ak lòt medya. Manti sa yo fè pati yon seri “flèch” Satan “ap voye tou limen”. Ki jan nou dwe reyaji si yon moun ta vin devan nou ak manti sa yo? Nou pap koute yo! Pou ki rezon? Paske nou gen lafwa nan Jewova e nou fè frè nou yo konfyans. Anfèt, nou evite tout kontak avèk aposta. Nou pa janm nan pale avèk yo sou anyen oswa pou kèlkeswa rezon an, menm pou chèche konnen sa y ap di. Èske w te fè efò pou w pa koute manti aposta ap gaye yo e pou w pa nan pale ak yo? Si w te fè sa, konnen lafwa w anfòm. Men, nou dwe rete veyatif paske Satan ap eseye lòt zam sou nou. w19.11 15 § 8; 16 § 11.

Madi 25 me

Se Jewova ki egzamine sa k fè yo aji konsa. — Pwo. 16:2.

Lè w ap pran yon desizyon, egzamine rezon ki fè w vle pran desizyon sa a. Jewova vle pou nou onèt nan tout bagay. Donk, lè n ap pran desizyon, entansyon nou se ta dwe pou nou onèt ni ak tèt nou ni ak lòt moun. Si nou pa fin onèt, li ka difisil pou n respekte desizyon nou pran. Pa egzanp, yon jèn frè ka deside vin pyonye pèmanan. Men, apre kèk tan, li ka ap lite pou l reyisi fè kantite lè li dwe bay la e sa ka fè li pa gen kè kontan nan sèvis li. Li ka panse rezon prensipal ki fè li te pran sèvis pyonye se pou l fè Jewova plezi. Men, vrè rezon an gendwa se paske l te vle fè paran l oswa yon lòt moun li apresye plezi. Ann pran egzanp yon etidyan Labib ki deside kite fimen. Toudabò, li lite pou l kenbe pandan yon semèn oswa de, men apre sa, li tonbe fimen ankò. Men, finalman, li reyisi kite fimen! Lanmou l gen pou Jewova ak dezi l genyen pou l fè l plezi ede l kite abitid sa a. — Kol. 1:10; 3:23. w19.11 27 § 9; 29 § 10.

Mèkredi 26 me

Aji kòm sitwayen yon fason ki diy pou bon nouvèl konsènan Kris la. — Flp. 1:27, nòt.

Pòl te gen konfyans li t ap fini kous la e li t ap atenn objektif li. Antanke yon kretyen Bondye te chwazi pou al nan syèl, li te gen espwa li t ap “jwenn rekonpans lan”. Men, pou l te atenn objektif sa a, li te rann li kont li te dwe kontinye “kouri”. (Flp. 3:14.) Pòl te fè yon bèl konparezon pou ede kretyen nan vil Filip yo ret konsantre sou objektif yo genyen. Pòl te fè kretyen ki nan vil Filip yo sonje sitwayènte yo se nan syèl la li ye (Flp. 3:20). Poukisa yo te dwe sonje sa? Nan epòk sa a, se te yon gwo bagay pou yon moun te sitwayen women. Men, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te gen yon sitwayènte ki gen plis valè toujou ki t ap pèmèt yo jwenn pi gwo avantaj lontan. Vin sitwayen women pa t anyen devan sitwayènte kretyen yo te genyen an! Jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo bay yon bèl egzanp, paske y ap kouri pou yo atenn objektif yo genyen pou yo viv pou toutan nan syèl la. w19.08 6 § 14-15.

Jedi 27 me

Si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon. — Jan 8:36.

Se sèten libète sa a pi gwo lontan pase libète Izrayelit yo te konn jwenn pandan ane Liberasyon an (Lev. 25:8-12)! Pa egzanp, yon moun ki te libere anba esklavaj pandan ane Liberasyon an te ka vin esklav ankò, e rive yon lè li t ap mouri. Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jewova te vide lespri sen sou apot yo ansanm ak lòt moun ki fidèl. Li te adopte yo kòm pitit li pou lè moman an rive yo ka resisite pou y al dirije nan syèl la ansanm ak Jezi (Wom. 8:2, 15-17). Se premye moun ki te benefisye libète Jezi te anonse nan sinagòg Nazarèt la (Lik 4:16-19, 21). Moun sa yo te sispann esklav fo ansèyman chèf relijye yo ansanm ak koutim yo te konn suiv ki te depaman ak Pawòl Bondye a. Epitou, pou Bondye, yo te libere anba peche ki mennen nan lanmò. Ane Liberasyon senbolik ki te kòmanse lè disip Kris yo te resevwa lespri sen nan ane 33 epòk nou an ap fini nan fen Rèy mil an Jezi a. w19.12 11 § 11-12.

Vandredi 28 me

Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen. — 1 Kor. 15:33.

Paran, ede pitit ou chwazi bon zanmi. Ni manman ni papa bezwen konnen ki moun ki zanmi pitit yo e ki sa y ap fè. Sa mande pou paran yo konnen tou ak ki moun timoun yo ap kominike sou rezo sosyal yo ak sou telefòn yo. Zanmi sa yo ka gen efè sou fason timoun yo panse ak fason yo aji. Gen anpil paran ki fè efò pou fè pitit yo pase tan ak moun ki bay bon egzanp nan sèvis Bondye. Pa egzanp, N’Déni ak Bomine, yon mari ak madanm k ap viv Kotdivwa, souvan envite siveyan sikonskripsyon an loje lakay yo. Men sa N’Déni fè konnen: “Sa te gen yon bon efè sou pitit gason nou an. Li te vin pyonye e kounye a l ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon ranplasan.” Sa ap pi bon pou timoun yo lè paran yo kòmanse ba yo fòmasyon byen bonè (Pwo. 22:6). Ann pran egzanp Timote. Enis, manman Timote, ak Loyis, grann li, te ba l fòmasyon “depi [l] toupiti”. — 2 Tim. 1:5; 3:15. w19.12 25 § 14; 26 § 16-17.

Samdi 29 me

Gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè. — Pwo. 18:24.

Montre nou se yon zanmi moun ka fè konfyans. Pa egzanp, nou pa sèlman pwomèt frè n ak sè n ki nan bezwen yo n ap ede yo, men tou, nou aji pou n ede yo (Mat. 5:37; Lik 16:10). Lè moun ki nan bezwen yo konnen yo ka konte sou nou, sa konsole yo toutbon. Men ki rezon yon sè bay pou l esplike sa. Li di: “Ou pa bay tèt ou plis pwoblèm paske w konnen moun ki di l ap ede w la ap vini nan moman l te di l ap vini pou l fè sa l te pwomèt la.” Moun k ap fè fas ak eprèv oswa tètchaje yo kapab jwenn rekonfò lè yo pale ak yon zanmi yo ka fè konfyans. Pou n ka vin yon zanmi moun fè konfyans, nou bezwen gen pasyans. Lè mari Zhanna te kite l, li te jwenn konsolasyon lè l te pale ak bon zanmi l genyen yo. Men sa l di: “Yo te pran tan pou yo koute m, menmsi sanble se menm bagay yo m t ap plede repete.” Nou menm tou, nou ka vin yon bon zanmi lè nou pran tan pou n koute lòt moun. w20.01 10-11 § 9-11.

Dimanch 30 me

L ap ranpli ak lespri sen, menm anvan l fèt. — Lik 1:15.

Nan Bib la, nou jwenn egzanp anpil moun ki gen lafwa ki te resevwa lespri sen, men ki pa t gen esperans pou y al viv nan syèl. Lespri sen te konn gide David (1 Sam. 16:13). Lespri sen te ede l konprann yon seri bagay pwofon sou Jewova e li te pèmèt li ekri kèk pòsyon nan Bib la (Mak 12:36). Malgre sa, apot Pyè te di David “pa t monte nan syèl”. (Tra. 2:34.) Jan ki te konn batize moun nan te “ranpli ak lespri sen”. (Lik 1:13-16.) Jezi te di pa gen moun ki gen plis enpòtans pase Jan, men apre sa, li te di Jan pa t ap nan Wayòm syèl la (Mat. 11:10, 11). Jewova te sèvi ak lespri sen pou l bay mesye sa yo pisans pou yo fè yon seri bagay estrawòdinè, men, li pa t itilize lespri sa a pou l chwazi yo pou y al viv nan syèl. Èske sa vle di moun sa yo pa t fidèl ase? Non. Sa montre tou senpleman Jewova pral resisite yo pou yo viv nan Paradi a sou tè a. — Jan 5:28, 29; Tra. 24:15. w20.01 25 § 15.

Lendi 31 me

Nou demontre lanmou, paske li te demontre lanmou pou nou an premye. — 1 Jan 4:19.

Jewova envite nou vin fè pati fanmi l, sa vle di moun k ap adore l yo. Fanmi nou an gen ladan l yon seri moun ki vwe Bondye lavi yo e ki demontre lafwa nan sakrifis ranson Pitit Gason l lan. Fanmi nou an se yon fanmi ki gen kè kontan. Depi kounye a lavi nou gen sans e nou kontan dèske nou gen espwa pou nou viv pou toutan, swa nan syèl la, swa nan Paradi a sou tè a. Jewova pèmèt nou vin fè pati fanmi l paske li renmen nou anpil. Men, pou l fè sa, li te oblije fè gwo sakrifis (Jan 3:16). “Yo te peye yon pri pou yo achte nou.” ​(1 Kor. 6:20). Pa mwayen ranson an, Jewova te pèmèt nou vin gen yon relasyon sere avè l. Nou gen privilèj pou nou rele Sila a ki gen pi gwo pozisyon nan linivè a Papa nou. Epi Jewova se pi bon Papa ki genyen an. Menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la, nou ka mande tèt nou: “Ki sa m ka bay Jewova pou tout byen li fè pou mwen?” ​(Sòm 116:12). An reyalite, nou pap janm ka remèt Papa nou ki nan syèl la sa l fè pou nou. Men, lanmou li gen pou nou pouse n renmen l tou. w20.02 8 § 1-3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje