Jen
Madi 1ye jen
Lòt madanm Èlkana a te toujou ap fawouche Ana pou fè l fache. — 1 Sam. 1:6.
Ana, manman pwofèt Samyèl, te oblije andire gwo pwoblèm. Pandan plizyè ane li pa t ka fè pitit (1 Sam. 1:2). Ann Izrayèl, lè yon fi pa t ka fè pitit, yo te kwè se paske Bondye lage malediksyon sou li. Sa te fè l santi l pa vo anyen (Jen. 30:1, 2). Sa k te fè bagay yo pi mal pou Ana sèke mari l te gen yon lòt madanm, ki te rele Penina, ki te fè plizyè pitit pou li e ki te konn fawouche Ana. Sa te fè Ana anpil lapenn. Li te tèlman gen pwoblèm, “li te konn kriye e li te konn ret san manje”. Li te vin “tris anpil”. (1 Sam. 1:7, 10.) Ki jan Ana te rive jwenn konsolasyon? Ana te priye Jewova e l te fè l konnen jan l t ap soufri. Lè l te fin priye, li te esplike gran prèt Eli ki sitiyasyon l ap viv. Annapre, Eli di l: “Ale anpè! Se pou Bondye Izrayèl la ba w sa w mande l la!” Ki sa k te vin pase? Ana “ale lakay li, li manje, epi figi l pa t tris ankò”. (1 Sam. 1:17, 18.) Lapriyè te ede Ana santi l anpè. w20.02 21 § 4-5.
Mèkredi 2 jen
Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun. — Kol. 4:6.
Talè konsa, Jewova pral detwi sistèm sa a. Se sèl moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” k ap sove (Tra. 13:48). Li nòmal pou nou ta renmen pou moun nan fanmi nou vin sèvi Jewova avè n. Jewova, Papa nou an ki renmen nou, “pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Nou bezwen sonje gen yon bon fason pou nou bay mesaj delivrans lan e gen yon move fason pou nou fè sa. Nou gendwa fè efò pou nou janti lè n ap preche yon moun nou pa konnen, men nou ka twò di lè n ap pale ak moun ki nan fanmi nou. Gen anpil nan nou ki regrèt fason n te eseye bay moun nan fanmi nou temwayaj okòmansman, e ki t ap pi kontan si n te fè sa yon lòt jan. Li bon pou nou sonje konsèy apot Pòl te bay nou jwenn nan tèks pou jounen an, lè n ap pale ak moun nan fanmi nou. Sinon, nou ka wè yo plis vle kouri pou nou pase nou rive konvenk yo. w19.08 14-15 § 3-5.
Jedi 3 jen
Kris [...] kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye. — 1 Pyè 2:21.
Ki jan w te reyaji lè w te aprann verite ki vin annapre yo konsènan Pitit la? Jezi se dezyèm pèsonaj ki pi enpòtan nan linivè. Li te aksepte bay lavi l kòm ranson pou nou. Lè nou fè aksyon ki montre nou gen lafwa nan ranson an, nou ka jwenn padon pou peche nou, nou ka vin zanmi Bondye, e nou ka gen lavi ki pap janm fini an (Jan 3:16). Jezi se Gran Prèt nou an. Li vle ede nou jwenn byenfè grasa ranson an e pou n gen yon relasyon sere ak Bondye (Ebre 4:15; 7:24, 25). Se avè l Jewova pral sèvi antanke Wa nan Wayòm Bondye a pou l fè non l vin sen, pou l mete fen nan mechanste, e pou l pote benediksyon pou toutan nan Paradi ki pral genyen an (Mat. 6:9, 10; Rev. 11:15). Jezi se modèl nou. Li kite yon egzanp pou nou lefètke l te dakò sèvi ak lavi l pou l fè volonte Bondye (Jan 4:34). Lè w aksepte sa Bib la anseye sou Jezi, ou vin aprann renmen Pitit Gason Bondye renmen anpil la. Lanmou sa a pouse w sèvi ak lavi w pou w fè volonte Bondye, menm jan Jezi te fè sa. w20.03 10 § 12-13.
Vandredi 4 jen
Priye toutan. — 1 Tes. 5:17.
Jezi te priye souvan nan dènye jou lavi l sou tè a. Lè l te tabli komemorasyon lanmò l la, li te priye sou pen an ak diven an (1 Kor. 11:23-25). Anvan l te deplase kite zòn kote l te selebre Pak la, li te priye ak disip yo (Jan 17:1-26). Lè li menm ak disip yo te rive sou mòn Oliv nan menm jou swa a, li te priye plizyè fwa (Mat. 26:36-39, 42, 44). E menm dènye pawòl Jezi te di anvan l mouri a se te yon priyè l t ap fè (Lik 23:46). Jezi te priye Jewova konsènan chak bagay ki te rive nan dènye jou nan lavi l. Youn nan rezon ki fè Jezi te ka andire eprèv li te sibi a se paske li te priye Papa l souvan. Poutan apot yo pa t pèsevere nan lapriyè nan nuit sa a. Konsa, yo te manke kouraj lè moman eprèv la te rive (Mat. 26:40, 41, 43, 45, 56). Lè nou jwenn eprèv, n ap ret fidèl si nou suiv egzanp Jezi e si nou “kontinye priye”. w19.04 9 § 4-5.
Samdi 5 jen
Mwen se Jewova. Mwen pa chanje. — Mal. 3:6.
Jewova rayi bagay ki gen rapò ak movèzespri! Men sa l te di Izrayelit yo: “Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou ki boule pitit gason l oswa pitit fi l nan dife, ni moun k ap fè divinò, ni moun k ap fè maji, ni moun k ap chèche konnen sa k pral rive demen, ni moun k ap fè wanga dèyè moun, ni moun k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri, ni moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo, ni moun ki konn chèche pale ak mò. Moun ki fè bagay sa yo, se moun ki bay Jewova degoutans.” (Det. 18:10-12). Kretyen yo pa anba Lalwa Jewova te bay Izrayelit yo. Men, nou konnen santiman Jewova genyen konsènan bagay ki gen rapò ak movèzespri pa chanje. Jewova avèti nou kont bagay ki gen rapò ak movèzespri paske li konnen Satan sèvi ak bagay sa yo pou l fè moun mal. Satan sèvi ak bagay ki gen rapò ak movèzespri pou l fè moun kwè nan manti, sa gen ladan l manti ki fè kwè lè yon moun mouri li kontinye viv nan yon lòt monn (Ekl. 9:5). Satan sèvi ak bagay ki gen rapò ak movèzespri tou pou l fè moun pè e pou l fè yo pa sèvi Jewova. Objektif li se fè moun k ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri yo kwè nan espri mechan yo olye yo kwè nan Jewova. w19.04 21 § 5-6.
Dimanch 6 jen
Si w ap fè sa ki mal, ou mèt pè. — Wom. 13:4.
Abi seksyèl sou timoun se yon peche ki grav. Moun ki fè abi seksyèl sou timoun lakòz gwo domaj nan lavi timoun nan. Li trayi konfyans timoun nan e li fè timoun nan pa santi l an sekirite. Nou dwe pwoteje timoun yo kont yon move aksyon konsa, e moun ki viktim move aksyon sa a bezwen konsolasyon ak sipò (1 Tes. 5:14). Lè yon moun nan kongregasyon an fè abi seksyèl sou timoun, li sal repitasyon kongregasyon an (Mat. 5:16; 1 Pyè 2:12). Nou pa tolere okenn moun nan mitan nou ki fè move aksyon san yo pa repanti e ki sal bèl repitasyon kongregasyon an. Si yon moun nan kongregasyon an koupab akoz li vyole lalwa lè l fè yon zak kriminèl, tankou abi seksyèl sou timoun, se yon move zak li fè kont otorite Leta yo. (Konpare ak Travay 25:8.) Se vre ansyen yo pa otorize pou yo fè moun respekte lalwa peyi a, men yo pap pwoteje okenn moun k ap fè abi seksyèl sou timoun pou l pa jwenn pinisyon lalwa prevwa pou move zak li fè a. w19.05 9 § 4-7.
Lendi 7 jen
Sajès monn sa a se bagay moun sòt li ye devan Bondye. — 1 Kor. 3:19.
Nou ka fè fas ak nenpòt difikilte, paske Jewova se Gran Pwofesè nou an (Eza. 30:20, 21). Pawòl li a ban nou tout sa nou bezwen pou nou vin “kalifye nèt” e pou n “vin gen tout sa [nou] bezwen pou [nou] fè tout bon travay”. (2 Tim. 3:17.) Lè nou aplike ansèyman ki nan Bib la nan lavi nou, nou vin gen plis sajès pase moun k ap di nou dwe suiv “sajès monn sa a”. (1 Kor. 3:19; Sòm 119:97-100.) Malerezman, byen souvan, sajès monn nan ankouraje nou obeyi dezi lachè nou genyen yo. Se sa k fè nou ka wè l difisil pou nou pa panse e pou nou pa aji menm jan ak moun nan monn nan. Bib la gen bonjan rezon lè l di: “Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm.” (Kol. 2:8). Jan Bib la te anonse sa konsènan dènye jou yo, moun yo t ap “renmen plezi” yon fason ki egzajere (2 Tim. 3:4). Maladi moun pran nan fè sèks vin ogmante, pa egzanp sida, e se youn nan bagay ki montre sajès monn nan se bagay moun sòt. — 2 Pyè 2:19. w19.05 21 § 1-2; 22 § 4-5.
Madi 8 jen
Kenbe fèm kont manèv Dyab la. — Efe. 6:11.
Satan te twonpe Izrayelit yo lè l te fè yo kwè si yo vle fè bèl rekòt, yo te dwe fè menm sa nasyon payen ki te ozalantou yo te konn fè. Nasyon sa yo te kwè yo dwe fè yon seri seremoni pou dye yo ka fè lapli tonbe. Moun ki pa t gen lafwa nan Jewova yo te kwè se sèl fason sa a yo te ka evite gen yon gwo sechrès, donk yo te konn fè seremoni payen pou yo onore fo dye ki rele Baal la. Satan te jwe sou yon seri dezi imoral. Nasyon payen yo te konn fè yon seri aksyon ki imoral anpil lè y ap adore dye yo te genyen yo. Nan adorasyon devègonde sa a, te gen ni fi ni gason ki te konn fè pwostitisyon nan tanp yo. Nonsèlman yo te aksepte omoseksyalite ak lòt fòm imoralite seksyèl, men tou yo te konsidere yo kòm bagay ki nòmal (Det. 23:17, 18; 1 Wa 14:24)! Payen yo te kwè se lè yo fè seremoni sa yo dye yo t ap fè tè a bay rannman. Seremoni payen yo te konn fè kote yo te pratike imoralite seksyèl te atire anpil Izrayelit, e sa te fè yo lage kò yo nan adore fo dye. w19.06 2 § 3; 4 § 7-8.
Mèkredi 9 jen
Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l. — Ebre 6:10.
Gen plizyè milye betelit ak lòt moun ankò ki te jwenn yon lòt asiyasyon. Frè ak sè fidèl sa yo ka twouve l difisil pou yo kite yon asiyasyon yo te renmen anpil. Si w se youn pami yo, ki sa k ka ede w fè fas ak chanjman sa a? Rete pwòch ak Jewova lè w li Bib la chak jou epi medite sou sa w li a. Epitou, kontinye fè tout sa w kapab pou w preche bon nouvèl la ak nouvo kongregasyon w. Jewova sonje moun ki kontinye sèvi l fidèlman, menmsi yo pa ka fè tout sa yo te konn fè anvan. Kontinye mennen yon vi senp. Pa kite enkyetid ki gen nan monn Satan an “toufe” sèvis n ap bay Jewova a (Mat. 13:22). Pa pran nan presyon monn nan oswa zanmi ak moun nan fanmi nou ki gen bon entansyon ap fè sou nou pou nou chèche gen anpil kòb nan monn Satan an (1 Jan 2:15-17). Fè Jewova konfyans, li menm ki pwomèt l ap ban nou tout sa n bezwen “nan bon moman”. L ap ede n kontinye gen yon lafwa solid, l ap ede n ret kalm e l ap ban nou sa nou bezwen nan domèn materyèl. — Ebre 4:16; 13:5, 6. w19.08 20 § 4; 21-22 § 7-8.
Jedi 10 jen
Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. — Sòm 55:22.
Èske w ap fè fas ak yon sitiyasyon ki bay strès? Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan lefètke nou konnen Jewova konprann jan nou santi nou lè nou gen pwoblèm ak lè nou dekouraje. Li konnen limit nou, e li menm konnen sa k nan panse n e ki jan nou santi n (Sòm 103:14; 139:3, 4). Si nou konte sou Jewova, l ap ede nou fè fas ak pwoblèm ki lakòz nou anba strès. Lè yon moun anba strès, li ka panse sitiyasyon l ye a pap janm chanje, e sa ka fè l dekouraje. Si sa rive, sonje Jewova ap ede w fè fas ak strès la. Ki fason l ap ede w? Li envite w pale avè l sou sa k ap trakase w la. E l ap reponn ou lè w mande l sekou (Sòm 5:3; 1 Pyè 5:7). Donk, priye Jewova souvan sou pwoblèm ou yo. Li pap pale avèk ou, men l ap pale avè w pa mwayen Labib, Pawòl li a, e pa mwayen òganizasyon l lan. Istwa w li nan Bib la ka konsole w e yo ka ba w espwa. Epitou frè w ak sè w yo ka ankouraje w. — Wom. 15:4; Ebre 10:24, 25. w19.06 16 § 7-8.
Vandredi 11 jen
Tout nasyon ap rayi nou poutèt non mwen. — Mat. 24:9.
Lè w ap fè fas ak pèsekisyon, priye Jewova, di l “tout sa k nan kè w”, e di Papa w ki renmen w tout sa ki fè w pè e ki ba w tètchaje (Lam. 2:19). Plis ou ouvri kè w bay Jewova konsa, se plis w ap santi w pwòch li (Wom. 8:38, 39). Se pou w gen konviksyon benediksyon Wayòm Bondye a ap pote yo ap vini vre (Nonb 23:19). Si w pa gen yon lafwa solid nan pwomès sa yo, l ap fasil pou Satan ak akolit li yo fè w pè (Pwo. 24:10; Ebre 2:15). Pran tan pou w fè rechèch sou pwomès Bondye fè konsènan Wayòm li an e sou rezon ki fè w ka gen asirans y ap reyalize. Ki jan sa ap ede w? Ann pran egzanp Stanley Jones ki te fè setan nan prizon poutèt kwayans li. Ki sa k te ede l andire fidèlman? Men sa l di: “Kòm mwen te gen konesans sou Wayòm Bondye a, mwen te gen konfyans nan li e m pa t janm gen okenn dout sou li, sa te fè m gen fòs e pa gen anyen ki te ka brannen m.” Si w gen bonjan lafwa nan pwomès Bondye yo ou pap kite laperèz fè w sispann sèvi l. — Pwo. 3:25, 26. w19.07 2 § 1; 3 § 6-7.
Samdi 12 jen
Nan kèlkeswa vil oswa bouk nou antre, chèche yon moun ladan l ki dispoze akeyi nou, rete lakay li jiskaske nou ale. — Mat. 10:11.
Sa k fè travay fè disip la enpòtan konsa? Paske se sèl disip Kris yo ki kapab vin zanmi Bondye. Mete sou sa, moun ki suiv Kris yo mennen yon pi bon vi depi kounye a e yo gen espwa viv nètale (Jan 14:6; 17:3). Se sèten, Jezi konfye nou yon responsablite ki enpòtan, men se pa poukont nou n ap fè travay sa a. Men sa apot Pòl te ekri konsènan li menm ak kèk moun ki te travay bò kote l: “Nou se konpayon travay Bondye.” (1 Kor. 3:9). Ala yon gwo privilèj Jewova ak Kris bay moun ki enpafè! Mete sou sa, travay fè disip la ka fè nou gen anpil kè kontan. Premye bagay nou fè lè n ap fè disip se “chèche” moun ki vle aprann konnen Jewova. Nou montre nou se Temwen Jewova toutbonvre lè nou bay tout moun nou rankontre temwayaj. Nou montre nou se vrè kretyen lè nou suiv kòmandman Kris te bay pou nou preche a. w19.07 15 § 3-5.
Dimanch 13 jen
Sajès se yon pwoteksyon, menm jan lajan se yon pwoteksyon. Epi, men avantaj yon moun ki gen konesans genyen: Si l gen sajès, sa ap pwoteje lavi l. — Ekl. 7:12.
Premye bagay ki te atire anpil moun se bonjan konsèy ki gen nan Bib la. Gen yon sè nan Nouyòk ki abitye vizite moun ki pale chinwa ki di: “Mwen eseye montre m enterese nan moun e m koute yo. Si m aprann yo fèk vin abite nan zòn nan, mwen konn mande yo: ‘Èske w kòmanse santi w alèz nan zòn nan? Ou deja jwenn travay? Moun nan zòn nan byen boule avè w?’” Pafwa, sa ouvri pòt pou l fè yon ti pale sou yon bagay Bib la anseye. Lè sa apwopriye, sè a konn di: “Ki sa w panse yon moun dwe fè pou l viv byen ak moun? Èske m mèt montre w yon pwovèb nan Bib la? Men sa l di: ‘Lè yon batay kòmanse, se tankou yon dlo yo lage. Anvan diskisyon pete, wete kò w!’ Èske w panse konsèy sa a ka ede nou viv pi byen ak lòt moun?” (Pwo. 17:14). Lè nou fè konvèsasyon konsa, sa ka ede nou wè ki moun ki ka dakò w retounen vizite l. w19.07 23 § 13.
Lendi 14 jen
Ki sa k ap rive yon moun ki tonbe ki pa gen pèsonn pou ede l leve? — Ekl. 4:10.
Moun ki te resevwa yon nouvo asiyasyon yo pa bezwen n pran pitye pou yo, men yo bezwen nou konprann yo. Yo ka ap lite pou yo fè fas ak pwoblèm sante pa yo oswa pwoblèm sante moun nan fanmi yo genyen. Yo ka nan lapenn akoz yon moun pa yo ki mouri. E yo ka nan lapenn tou, san moun pa konnen, akoz yo pa ansanm ak frè ak sè nan asiyasyon yo te gen anvan an. Sa mande tan pou yo rive fè fas ak tout santiman sa yo kote yo ka pa konn sa pou yo fè. Pandan tan sa a, èd ak egzanp ou ba yo ka ede yo pou yo adapte yo. Men sa yon sè ki te pase plizyè ane ap sèvi nan yon lòt peyi te di: “Nan asiyasyon m te ye anvan an, mwen te konn fè etid Labib ak moun chak jou. Men, nan asiyasyon m ye kounye a li difisil menm pou m jwenn okazyon pou m li yon vèsè oswa pou m montre yon videyo nan travay predikasyon an. Men, gen frè ak sè nan nouvo kongregasyon m nan ki konn mande m pou m al fè vizit ak etid avèk yo. Sa fè m wè bagay yo yon lòt jan. Mwen te aprann fason pou m kòmanse konvèsasyon nan nouvo tèritwa a. Tout sa te ede m vin gen kè kontan ankò.” w19.08 22 § 10; 24 § 13-14.
Madi 15 jen
Mwen ankouraje Evodi e mwen ankouraje Sentich pou yo gen menm panse nan Seyè a. — Flp. 4:2.
Pafwa li difisil anpil pou nou renmen frè n ak sè n yo paske nou fè menm jan ak Evodi ak Sentich: nou gen tandans konsantre sou enpèfeksyon yo. Nou tout fè erè chak jou. Si nou konsantre sou defo lòt moun, l ap pi difisil pou n renmen yo. Pa egzanp, si yon frè bliye ede nou netwaye Sal Wayòm nan, petèt nou ka fache. Si kounye a, nou kòmanse konsantre sou tout lòt erè l te fè, n ap vin fache plis toujou e n ap renmen l mwens. Si sa ta rive nou, li ka bon pou nou reflechi sou pwen ki vin apre a: Jewova konnen ni defo pa nou ni defo frè nou an. Men, malgre sa, li pa sispann renmen ni nou menm ni frè nou an. Se pou rezon sa a nou bezwen imite Jewova lè nou renmen frè nou yo e lè nou konsantre sou bèl kalite yo genyen. Lè nou fè anpil efò pou nou renmen frè nou yo, sa fè inite nou genyen an vin pi fò. — Flp. 2:1, 2. w19.08 9-10 § 7-8.
Mèkredi 16 jen
Jewova [...] konnen moun ki gen imilite yo. — Sòm 138:6.
Jewova renmen moun ki gen imilite. Se sèlman moun ki gen imilite toutbon ki kapab gen bon relasyon avè l. Yon lòt bò, “li rete byen lwen moun ki ògeye yo”. Nou tout ta renmen fè Jewova plezi e nou ta renmen santi l renmen nou, se sa k fè nou gen bonjan rezon pou nou chèche gen imilite. Imilite se kalite yon moun genyen ki fè li pa pran tèt li pou yon pakèt afè, li pa gen ògèy lakay li e li pa awogan. Bib la fè konnen yon moun ki gen imilite se yon moun ki konprann li pa anyen devan Jewova Dye e li rekonèt pozisyon lòt moun. Moun ki gen imilite a rekonèt tout moun siperyè l nan yon domèn kèlkonk (Flp. 2:3, 4). Gen kèk moun ki parèt gen imilite. Yo ka parèt dou. Oswa yo ka montre yo janti akoz kilti yo ak fason yo te leve. Men, nan fon kè yo, yo ka gen anpil ògèy. Towouta, y ap aji yon fason k ap montre kiyès yo ye toutbon. — Lik 6:45. w19.09 2 § 1, 3-4.
Jedi 17 jen
L ap vin fè vanjans sou moun [...] ki pa obeyi bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an. — 2 Tes. 1:8.
“Bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an”, gen ladan l tout verite Jezi te anseye yo. Nou obeyi bon nouvèl la lè nou aplike sa Jezi te di yo nan lavi nou. Nou fè sa tou lè nou bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou, lè nou suiv prensip Bondye yo ki jis ak lè nou preche konsènan Wayòm Bondye a (Mat. 6:33; 24:14). Anplis de sa, nou bezwen soutni frè Kris yo Bondye chwazi pou al nan syèl nan gwo responsablite yo genyen yo (Mat. 25:31-40). Talè konsa, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo k ap sèvi l yo pral kapab rekonpanse moun ki fè pati “lòt mouton” yo pou tout èd yo te ba yo (Jan 10:16). Ki jan yo pral fè sa? Anvan gè Amagedon an kòmanse, tout 144 000 moun yo ap deja nan syèl la antanke espri ki pa ka mouri. Lè sa a, yo tout nèt pral fè pati lame ki nan syèl la ki pral detwi Gòg e ki pral pwoteje “gwo foul” moun nan ki tankou mouton (Rev. 2:26, 27; 7:9, 10). Vrèmanvre, se pa ti kontan gwo foul la ap kontan dèske yo te soutni sèvitè Jewova yo li chwazi pou al nan syèl la pandan yo te sou tè a! w19.09 12-13 § 16-18.
Vandredi 18 jen
N ap jwenn fòs. — Mat. 11:29.
Poukisa sa ban nou fòs lè nou fè travay Jezi ban nou fè a? Paske nou gen pi bon siveyan ki egziste yo. Jewova, pi Gwo Siveyan nou genyen an, se pa yon mèt ki engra oswa ki di. Li apresye travay nou fè (Ebre 6:10). Li ban nou fòs n ap bezwen pou nou akonpli responsablite li ban nou (2 Kor. 4:7; Gal. 6:5, nòt). Jezi, Wa nou an, ban nou bèl egzanp sou fason pou nou boule ak lòt moun (Jan 13:15). Epi ansyen k ap pran swen nou yo eseye suiv egzanp Jezi, “gran bèje” a (Ebre 13:20; 1 Pyè 5:2). Yo fè efò pou yo janti, pou yo ankourajan e pou yo met kouraj sou yo toutpandan y ap pran swen nou e y ap pwoteje nou. Epitou, nou gen pi bon zanmi ki egziste yo. Pa gen okenn moun ki gen bonjan zanmi e ki gen yon travay ki bay satisfaksyon menm jan avè n. Imajine sa: nou gen privilèj pou nou travay ak moun ki gen pi bon prensip moral yo, men ki pa panse yo pi bon pase lòt moun. Yo konsidere lòt moun siperyè yo. Nonsèlman yo konsidere nou kòm konpayon travay yo, men tou, kòm zanmi yo. Lanmou yo gen pou nou an tèlman fò, sa fè yo dispoze bay lavi yo pou nou! w19.09 20 § 1; 23 § 12-14.
Samdi 19 jen
Nou pa nan fènwa, pou jou sa a ta vin sou nou sanzatann tankou lè jou bare vòlè. — 1 Tes. 5:4.
Nan konsèy Pòl te bay la, li pale de “jou Jewova a”. (1 Tes. 5:1-6.) Nan vèsè sa yo, li fè referans ak epòk k ap kòmanse ak atak ki pral fèt sou “Gran Babilòn nan”, sètadi tout fo relijyon ki nan monn nan, e k ap fini nan Amagedon (Rev. 16:14, 16; 17:5). Pòl te fè nou konnen tou ki sa nou dwe fè pou nou pare lè “jou Jewova a” rive. Nou pa dwe “kite dòmi pran nou menm jan ak lòt moun yo”. Nou dwe “rete je klè” e nou dwe veye pou nou pa mele nan zafè politik monn nan. Si nou ta foure kò n nan bagay sa yo, nou t ap vin “fè pati monn nan”. (Jan 15:19.) Nou konnen se Wayòm Bondye a ki sèl espwa pou gen lapè nan monn nan. Epitou, nou vle ede lòt moun aprann konnen sa Bib la di ki pral rive nan monn nan. Yonfwa gwo tribilasyon an kòmanse, l ap twò ta pou moun yo vin sèvi Jewova. Se poutèt sa travay predikasyon n ap fè a enpòtan anpil konsa! w19.10 8 § 3; 9 § 5-6.
Dimanch 20 jen
Pran yon woulo epi ekri tout pawòl mwen te di w kont Izrayèl, kont Jida. — Jer. 36:2.
Lè moman an te rive pou yo te fè konnen sa k te ekri nan woulo a, Jeremi te oblije konte sou Bawouk, zanmi l lan, pou bay mesaj la (Jer. 36:5, 6). Avèk kouraj, Bawouk te fè travay sa a ki te gen danje ladan l. Èske w ka imajine ki jan Jeremi dwe te santi l fyè lè Bawouk t al nan lakou tanp lan e l te fè sa l te mande l fè a (Jer. 36:8-10)? Prens Jida yo te aprann sa Bawouk te fè a e yo te ba l lòd pou l li sa ki ekri nan woulo a byen fò pou yo (Jer. 36:14, 15)! Prens yo te deside fè wa Jewoyakim konnen sa Jeremi te di a. Wa Jewoyakim te vin tèlman fache lè l tande pawòl Jeremi te ekri yo, li boule woulo a e li bay lòd pou yo arete Jeremi ak Bawouk. Men, Jeremi te pran yon lòt woulo, li bay Bawouk li, e pandan Jeremi t ap di Bawouk mesaj Jewova ba li a, Bawouk te ekri “tout pawòl ki te nan woulo Jewoyakim, wa Jida a, te boule a”. — Jer. 36:26-28, 32. w19.11 3-4 § 4-6.
Lendi 21 jen
Bondye [...] fòtifye nou [...], li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. — Flp. 2:13.
Jewova kapab vin tounen kèlkeswa sa k nesesè pou l reyalize objektif li. Pa egzanp, Jewova vin tounen yon Pwofesè, yon Konsolatè, yon Moun k ap preche bon nouvèl, pou n site sa yo sèlman (Eza. 48:17; 2 Kor. 7:6; Gal. 3:8). Aktout sa, byen souvan li sèvi ak moun pou l reyalize objektif li (Mat. 24:14; 28:19, 20; 2 Kor. 1:3, 4). Epitou, Jewova ka bay nenpòt nan nou sajès ak fòs nou bezwen pou nou vin tounen kèlkeswa sa k nesesè pou akonpli volonte l. Tout sa gen rapò ak siyifikasyon non Jewova, jan anpil biblis fè konn sa. Nou tout ta renmen itil Jewova, men gen kèk moun ki pa fin kwè Jewova ap sèvi avè yo. Sa k fè sa? Paske yo santi yo pa ka fè tout sa yo ta renmen fè akoz laj yo, sitiyasyon yo oswa kapasite yo. Yon lòt bò gen moun ki ka santi sa y ap fè a ase e yo pa wè li nesesè pou yo fè plis. w19.10 20 § 1-2.
Madi 22 jen
Lanmou pou lajan se youn nan rasin tout kalite move bagay. — 1 Tim. 6:10.
Lanmou pou bagay materyèl ka fè nou vin distrè e sa ka fè nou neglije boukliye lafwa nou an. Men sa apot Pòl te di: “Pa gen okenn moun k ap sèvi kòm sòlda k ap antre nan fè komès, dekwa pou moun ki anwole l kòm sòlda a ka apwouve l.” (2 Tim. 2:4). Anfèt, sòlda women yo pa t gen dwa fè okenn lòt travay. Menm jan ak yon bon sòlda, nou pap kite anyen fè nou bliye objektif prensipal nou genyen an, sètadi pou nou gen apwobasyon Kòmandan nou yo, anpalan de Jewova ak Kris. Sa gen plis enpòtans pou nou pase pou n ta gen kèlkeswa bagay monn Satan an gen pou l ofri. Nou veye pou nou gen kantite tan ak enèji nou bezwen pou nou sèvi Jewova e pou nou kenbe boukliye lafwa nou an ak rès ekipman konba espirityèl nou genyen yo nan bon kondisyon. Nou dwe toujou rete vijilan! Sa k fè sa? Apot Pòl te fè konnen “moun ki byen deside pou yo rich yo” ap “pèdi chemen lafwa a”. — 1 Tim. 6:9, 10. w19.11 17 § 12, 14-15.
Mèkredi 23 jen
Yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, nan menm moman an. — 1 Tes. 5:3.
Deklarasyon “lapè! Sekirite!” a ap fèt anvan “jou Jewova a”. (1 Tes. 5:1-6.) “Jou Jewova” ki nan 1 Tesalonisyen 5:2 a gen rapò ak “gwo tribilasyon an”. (Rev. 7:14.) Ki jan n ap fè konnen lè gwo tribilasyon an pral kòmanse? Labib fè nou konnen yo pral fè yon deklarasyon ki vrèman dwòl. Se pral yon siyal k ap anonse gwo tribilasyon an. Se pral deklarasyon “lapè! Sekirite!” yo te anonse a. Èske chèf relijye yo pral met ansanm avèk dirijan nan monn nan pou yo fè deklarasyon sa a? Petèt. Sepandan, deklarasyon an se pral yon lòt manti demon enspire. Men, manti sa a se pral yon danje, sitou paske li pral fè moun yo panse yo an sekirite yon ti tan anvan pi gwo tribilasyon lèzòm potko janm konnen an kòmanse. Vrèmanvre, “yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, nan menm moman an, menm jan doulè tranche pran yon fi ansent”. E sèvitè fidèl Jewova yo menm? Kòm yo pa konnen ki lè egzakteman gwo tribilasyon an ap kòmanse, yo ka sezi wè lè l rive. Men, y ap pare. w19.09 9 § 7-8.
Jedi 24 jen
Gen yon lè pou tout bagay, [...] yon lè pou moun chèche ak yon lè pou moun aksepte pèdi sa l t ap chèche a. — Ekl. 3:1, 6.
Lè w ap pran yon desizyon, se pou w konn sa w vle. Plis ou konn sa w vle, se plis w ap kapab fini sa w te kòmanse a. Pa egzanp, ou ka deside li Labib pi souvan. Men, si w pa gen yon pwogram fiks nan lespri w, ou gendwa pa ka fè sa w te deside a. Oswa ansyen yo ka deside vizite frè ak sè yo pi souvan nan kad vizit pastoral y ap fè nan kongregasyon an, men apre yon ti tan, yo ka pa kontinye respekte desizyon yo te pran an. Pou yo reyisi, yo ta dwe poze yon seri kesyon tankou: “Èske nou te fè yon lis frè ak sè ki plis bezwen vizit pastoral? Èske nou te fikse yon tan pou nou vizite yo?” Anplis de sa, se pou w reyalis. Pa gen youn nan nou ki gen tan, posiblite oswa enèji pou n fè tout bagay nou ta renmen fè. Se sa k fè ou dwe reyalis e w dwe rezonab. Lè sa nesesè, ou ka bezwen chanje yon desizyon ou pap ka respekte. w19.11 29 § 11-12.
Vandredi 25 jen
Moun sa yo se moun ki soti anba gwo tribilasyon an. Yo lave wòb long yo, e yo blanchi yo nan san Ti Mouton an. — Rev. 7:14.
Gen yon pwofesi ki esplike fason lavi a pral ye sou tè a nan Ezayi 65:21-23. Lavi sa a se pa yon lavi ki pral raz. Okontrè, Labib fè konnen sèvitè Bondye yo nan epòk sa a pral fè travay k ap itil e k ap ba yo satisfaksyon. Nan fen Rèy mil an an, nou ka sèten “kreyasyon an li menm tou pral libere anba esklavaj yon kò k ap depafini e li pral gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. (Wom. 8:21.) Menm jan Jewova te pran dispozisyon pou Izrayelit yo fè ekilib ant travay ak repo, se menm bagay la tou li pral fè pou pèp li a pandan Rèy mil an Kris la. Se sèten, pral gen tan ki rezève pou moun adore Bondye. Pou nou ka gen kè kontan jodi a, li enpòtan anpil pou n adore Bondye, e se konsa tou sa pral ye nan monn nouvo a. Wi, nou gen bonjan rezon pou nou kontan pou bon travay ak aktivite espirityèl k ap tann nou lè moun ki gen lafwa yo pral kontan viv pandan Rèy mil an Kris la. w19.12 12 § 15; 13 § 17-18.
Samdi 26 jen
Se pou pawòl sa yo [...] rete nan kè nou, se pou nou fè yo antre nan kè pitit nou yo. — Det. 6:6, 7.
“Antre nan kè” vle di “anseye epi grave nan kè grasa repetisyon ki fèt souvan”. Pou paran yo rive fè sa, yo bezwen pase tan ak timoun yo regilyèman. Pafwa paran yo ka dekouraje akoz yo oblije repete menm bagay yo. Men, paran yo ka fè tout sa yo kapab pou yo konsidere sa kòm yon mwayen pou yo ede pitit yo konprann Pawòl Bondye a e pou yo aplike l. Donk, chèche konn pitit ou byen. Sòm 127 konpare timoun ak flèch (Sòm 127:4). Menm jan yo ka fè flèch ak plizyè kalite materyo e yo ka gen plizyè gwosè, pa gen de timoun ki menm. Se sa k fè paran yo bezwen konnen fason pou yo fòme chak pitit yo genyen. Gen yon mari ak madanm li k ap viv nan peyi Izrayèl ki te esplike sa ki te ede yo leve de pitit yo genyen pou yo sèvi Jewova. Men sa yo di: “Nou te etidye Labib ak chak timoun yo apa.” Natirèlman, se chak chèf fanmi k ap deside si l nesesè oswa si l posib pou yo etidye ak pitit yo fason sa a. w19.12 26-27 § 18-20.
Dimanch 27 jen
Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo. — Mat. 7:12.
Lè n nan gwo pwoblèm, se pa ti kontan nou kontan jwenn èd nan men lòt moun! Men sa Ryan, ki te pèdi papa l sanzatann nan yon gwo aksidan, fè konnen: “Gen anpil bagay ou konn fè chak jou ki parèt enposib pou w fè lè w nan lapenn. Lè moun ede w, menmsi sa yo fè pou ou a parèt toupiti, sa vrèman konsole w.” Pa janm bliye sa, nou ka konsole lòt moun menm lè nou fè bagay ki parèt senp oswa toupiti nan je nou. Mak, ki te yon disip ki t ap viv nan premye syèk la, te yon kretyen ki okipe anpil. Aktout sa, li te pran tan pou l konsole Pòl, e Pòl te santi l alèz pou l mande l èd. Gen yon sè ki rele Angela ki te gen yon moun nan fanmi l yo te asasinen ki te gen rekonesans pou moun ki te dispoze konsole l yo. Men sa l di: “Lè frè ak sè yo vle ede toutbon, yo se moun ki abòdab. Yo pa sanble moun k ap rale kò yo dèyè oswa ki pè ede moun.” Nou ka mande tèt nou: ‘Èske yo konnen m kòm moun ki dispoze ede sèvitè Jewova parèy mwen yo?’ w20.01 11-12 § 14-16.
Lendi 28 jen
Nenpòt moun ki manje nan pen an oswa ki bwè nan koup Seyè a yon fason ki pa konvnab, l ap koupab. — 1 Kor. 11:27.
Ki jan yon moun Bondye chwazi pou al nan syèl ta kapab manje nan pen an oswa bwè nan diven an nan Memoryal la “yon fason ki pa konvnab”? Li t ap fè sa si l ta manje nan pen an e l ta bwè nan diven an alòske li pa respekte prensip Jewova yo ki jis (Ebre 6:4-6; 10:26-29). Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo rann yo kont yo dwe rete fidèl si yo vle resevwa “rekonpans lan [ki] se lavi nan syèl la Bondye ap bay moun li rele pa mwayen Kris Jezi yo”. (Flp. 3:13-16.) Lespri sen Jewova ede sèvitè l yo gen imilite, li pa fè yo gen ògèy (Efe. 4:1-3; Kol. 3:10, 12). Donk, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa santi yo pi bon pase lòt moun. Yo konnen Jewova pa fòseman bay moun li chwazi pou al nan syèl yo plis lespri sen pase lòt sèvitè l yo. Yo pa santi yo pi byen konprann verite ki nan Bib la pase tout lòt moun. E yo pa t ap janm di yon lòt moun Bondye chwazi l pou l al nan syèl tou e l dwe manje nan pen an epi bwè nan diven an nan Memoryal la. Okontrè, yo rekonèt ak imilite se sèlman Jewova ki envite moun pou y al nan syèl. w20.01 27-28 § 4-5.
Madi 29 jen
Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. — Jak 4:8.
Jewova vle pou nou pwoche bò kote l e pou nou pale avè l (Jak 4:8). Li ankouraje nou pou nou “pèsevere nan lapriyè”, e li toujou pare pou l koute nou (Wom. 12:12). Li pa janm twò okipe oswa twò fatige pou l koute nou. Nou menm, bò kote pa nou, nou koute l lè nou li Labib, Pawòl li a, ak piblikasyon k ap ede nou konprann Pawòl li a. Nou koute l tou lè nou byen suiv nan reyinyon yo. Lè nou kominike regilyèman ak Jewova, sa ede nou rete pwòch avè l. Jewova vle nou vide kè nou ba li lè n ap priye l (Sòm 62:8). Li ta bon pou nou mande tèt nou: ‘Lè m ap priye èske m toujou ap repete menm bagay yo oubyen èske m di Jewova sa k nan kè m?’ Se sèten ou renmen Jewova anpil e w vle kontinye gen yon relasyon solid avè l. Pou w fè sa, ou dwe pale avè l regilyèman. Ouvri kè w ba li. Di l sa k fè w kontan ak sa k fè w lapenn. Ou mèt gen konfyans ou ka mande l èd li. w20.02 9 § 4-5.
Mèkredi 30 jen
Pran swen twoupo Bondye a ki sou kont nou, epi fè travay nou kòm siveyan. — 1 Pyè 5:2.
Jewova bay ansyen yo responsablite pou yo pran swen pèp li a, e se yon responsablite ki enpòtan. Ansyen yo ka aprann anpil bagay lè yo egzamine fason Neyemi te aji ak pèp Jewova a. Antanke gouvènè Jida, Neyemi te gen anpil otorite (Ney. 1:11; 2:7, 8; 5:14). Reflechi sou kèk nan difikilte Neyemi te jwenn. Li te aprann pèp Bondye a ap fè move bagay nan tanp lan e yo pa t ede Levit yo nan domèn ekonomik, jan Lalwa te mande sa. Juif yo te vyole lwa sou saba a e gen kèk mesye ki te marye ak fi lòt nasyon. Gouvènè Neyemi t apral gen pou l fè fas ak sitiyasyon difisil sa a (Ney. 13:4-30). Neyemi pa t fè abi pouvwa, pou l ta fòse moun ki fè pati pèp Bondye a fè sa li menm li di. Okontrè, li te priye Jewova ak tout kè l pou Jewova gide l e li te anseye pèp la Lwa Jewova a (Ney. 1:4-10; 13:1-3). Epitou, Neyemi te travay ansanm ak pèp la avèk imilite, li te menm ede yo rebati miray Jerizalèm yo. — Ney. 4:15. w19.09 16 § 9-10.