Jiyè
Jedi 1ye jiyè
Fè Bondye konnen demann nou yo. — Flp. 4:6.
Lè moun pale rèd ak nou oubyen yo aji yon fason ki di avè n, sa ka fè nou santi nou enkyè. Sitou si moun sa a se bon zanmi nou oswa fanmi nou. Lè nou enkyè, nou ka aprann anpil bagay nan egzanp Ana nou jwenn nan Bib la. Lòt madanm mari l la te fawouche l anpil (1 Sam. 1:12). Menm jan ak Ana, nou ka fè anpil tan ap pale ak Jewova sou sa ki enkyete nou ak sa ki fè nou pè. Lè n ap priye, nou pa oblije fè powèm oubyen nou pa oblije toujou ap di bèl pawòl. Pafwa, nou ka menm kriye pandan n ap fè Jewova konnen sa k fè nou soufri. Menm lè sa a, Jewova pap janm bouke tande nou. Nonsèlman nou dwe priye pou pwoblèm nou yo, men tou, nou dwe sonje konsèy nou jwenn nan Filipyen 4:6, 7 la. Apot Pòl te montre aklè nou bezwen di Jewova mèsi nan priyè nou yo. Nou gen anpil rezon pou nou di Jewova mèsi. Nou ka di l mèsi pou lavi ki se yon kado, pou bèl bagay li kreye, pou lanmou fidèl li genyen an e pou bèl esperans li ban nou an. w20.02 21 § 3; 22 § 6.
Vandredi 2 jiyè
Gen yon lè [...] pou moun pale. — Ekl. 3:1, 7.
Kapasite pou moun pale a se yon kado Jewova bay (Egz. 4:10, 11; Rev. 4:11). Nan Pawòl li a, li ede nou konprann fason pou nou byen sèvi ak kado sa a. Nou dwe toujou pare pou nou pale de Jewova ak Wayòm nan (Mat. 24:14; Wom. 10:14). Lè nou fè sa, nou imite Jezi. Youn nan prensipal rezon ki fè Jezi te vin sou tè a se te pou l fè moun yo konnen laverite sou Papa l (Jan 18:37). Men, nou dwe sonje fason nou pale enpòtan tou. Se sa k fè, lè n ap pale de Jewova ak lòt moun, nou dwe fè sa “avèk dousè e avèk gwo respè”, e nou dwe montre konsiderasyon pou santiman ak kwayans moun n ap pale avè l la (1 Pyè 3:15). Lè sa a, nou pap annik pale, n ap anseye e petèt n ap rive touche kè moun nan. Ansyen yo pa dwe pè pale si yo wè yon frè oswa yon sè bezwen konsèy. Nòmalman, y ap chwazi bon moman pou yo pale pou yo pa fè moun nan jennen san nesesite. w20.03 18-19 § 2-4.
Samdi 3 jiyè
Kontinye priye. — Mat. 26:41.
Pou ki bagay nou ka priye? Nou ka priye Jewova pou l “ban nou plis lafwa”. (Lik 17:5; Jan 14:1.) Nou bezwen gen lafwa paske Satan ap pase tout moun k ap suiv Jezi anba eprèv (Lik 22:31). Ki jan lafwa ap ede nou? Lè nou fin fè tout sa nou kapab pou nou fè fas ak yon eprèv, lafwa ap ede nou kite bagay yo nan men Jewova. Kòm nou gen asirans li ka ede nou jwenn yon pi bon solisyon ak pwoblèm nou genyen yo, sa fè lespri nou ak kè nou anpè (1 Pyè 5:6, 7). Lapriyè ap ede n kenbe lespri n anpè lè n ap fè fas ak kèlkeswa eprèv la. Ann pran egzanp Robert, yon ansyen ki fidèl ki nan 80 an yo kounye a. Men sa l di: “Konsèy nou jwenn nan Filipyen 4:6, 7 la te ede m fè fas ak divès eprèv mwen te jwenn nan lavi m. Mwen te oblije fè fas ak pwoblèm nan domèn ekonomik. E pandan yon tan, mwen te pèdi privilèj mwen te genyen pou m sèvi antanke ansyen.” Ki sa k te ede Robert? Men sa l di: “Depi m kòmanse santi m strese, mwen priye.” Apre sa, li di: “Mwen kwè plis mwen priye souvan e mwen priye ak tout kè m, se plis mwen santi m anpè.” w19.04 9-10 § 5-7.
Dimanch 4 jiyè
Se kont ou menm, se sitou kont ou menm, mwen te peche. — Sòm 51:4.
Abi seksyèl sou timoun se yon peche kont Bondye. Lè yon moun fè yon lòt moun mechanste, li peche kont Jewova tou. Pa egzanp, lalwa te di yon moun ki twonpe pwochen l montre “li pa fidèl devan Jewova”. (Lev. 6:2-4.) Donk, se sèten, lè yon moun nan kongregasyon an fè abi seksyèl sou timoun, li montre li pa fidèl devan Bondye, paske timoun nan te fè l konfyans men li sèvi ak sa pou l twonpe timoun nan, sa ki fè timoun nan pa santi l an sekirite ankò. Moun ki fè aksyon sa a sal non Jewova anpil. Se poutèt sa nou dwe kondane abi seksyèl moun fè sou timoun paske se yon peche grav kont Bondye. Gen atik nan Toudegad ak Reveye n! ki pale sou fason moun ki te viktim abi seksyèl ka fè fas ak gwo dega aksyon sa a fè sou yo nan domèn afektif, fason lòt moun ka ede yo epi ankouraje yo, ak fason paran yo ka pwoteje pitit yo. Ansyen yo resevwa bonjan fòmasyon ki baze sou Bib la pou yo konn sa pou yo fè lè yon moun fè abi seksyèl sou timoun. Òganizasyon an kontinye ap amelyore fason kongregasyon yo dwe jere ka kote gen peche ki gen rapò ak abi seksyèl moun fè sou timoun. w19.05 9 § 8-9.
Lendi 5 jiyè
Èske li dwe pale ak mò pou ede moun ki vivan? — Eza. 8:19.
Pawòl Bondye a tankou yon epe ki byen file, ki kapab ede nou wè manti Satan ap gaye yo aklè (Efe. 6:17). Pa egzanp, Pawòl Bondye a montre ide ki fè konprann moun ki mouri kapab kominike ak moun ki vivan se manti (Sòm 146:4). Li fè nou sonje se sèl Jewova ki kapab di toutbon kòman demen ap ye (Eza. 45:21; 46:10). Si nou li Pawòl Bondye a regilyèman e nou medite sou li, n ap pare pou nou rejte manti espri mechan yo vle fè nou kwè yo e pou nou rayi manti sa yo. Donk, refize fè nenpòt bagay ki gen rapò ak movèzespri. Antanke vrè kretyen, nou pa janm pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri sou kèlkeswa fòm nan. Pa egzanp, nou pa al kay ougan oswa bòkò e nou pa eseye kominike ak mò nan okenn sans. Nou evite mele nan yon seri koutim ki gen rapò ak antèman, ki baze sou kwayans ki fè konprann moun ki mouri a toujou ap viv yon kote. Epitou, nou pa sèvi ak astwoloji ni nou pa al kot divinò pou n chèche konnen sa k pral rive. Nou konnen tout mòd pratik sa yo gen anpil danje ladan yo e yo ka fè nou pran kontak dirèkteman ak Satan ansanm ak demon yo. w19.04 21-22 § 8-9.
Madi 6 jiyè
Akoz dezi ki nan kè yo, Bondye kite yo lage kò yo nan konduit ki pa pwòp. — Wom. 1:24.
Moun k ap suiv sajès monn nan konn pase prensip moral Bib la bay yo nan rizib, yo fè konprann prensip sa yo pa kadre ak reyalite a. Moun sa yo gendwa di: ‘Poukisa Bondye kreye nou ak dezi seksyèl epi pou l di nou pou n pa satisfè dezi sa yo?’ Kesyon sa a baze sou vye kwayans ki fè konprann depi yon moun gen yon dezi li dwe satisfè l. Men, Labib pa wè bagay yo menm jan an. Li onore nou lè l fè nou konnen nou ka chwazi metrize dezi ki pa kòrèk yo (Kol. 3:5). Mete sou sa, Jewova bay lèzòm maryaj kòm kado. Se yon dispozisyon kote yo ka satisfè dezi seksyèl yo genyen yo yon fason ki kòrèk (1 Kor. 7:8, 9). Kontrèman ak sajès monn nan, Labib anseye bon fason pou nou wè kesyon sèks la. Li di sèks se yon bagay ki ka fè moun jwenn plezi (Pwo. 5:18, 19). Sepandan, Bib la di: “Chak moun pami nou dwe konnen ki jan pou l gen kontwòl sou pwòp kò l nan sentete ak nan onè, san l pa gen dezi seksyèl san kontwòl.” — 1 Tes. 4:4, 5. w19.05 22-23 § 7-9.
Mèkredi 7 jiyè
Ou menm ansanm ak gwoup sòlda w yo ak tout lòt nasyon ki avè w yo ap tankou yon tanpèt lè nou vin atake yo a. — Eze. 38:9.
Bondye pap kite nasyon yo detwi pèp li a. Moun ki fè pati pèp li a fyè dèske yo pote non l e yo obeyi kòmandman li bay la ki mande pou yo kite Gran Babilòn nan (Tra. 15:16, 17; Rev. 18:4). Yo travay di pou yo ede lòt moun kite l tou. Se sa k fè sèvitè Jewova yo pap “resevwa yon pati nan kalamite l yo”. Aktout sa, lafwa yo pral pase anba eprèv (Eze. 38:2, 8). Apre tout fo relijyon yo fin detwi, pèp Bondye a pral kanpe tankou yon pyebwa ki poukont li, ki reziste anba yon gwo tanpèt. Lè sa a, Satan pral fache anpil. Li pral montre sa lè l sèvi ak yon seri pwopagann demon yo ap fè, sa vle di “pawòl enspire ki pa pwòp”, pou l pouse yon gwoup nasyon met tèt yo ansanm pou yo atake sèvitè Jewova yo (Rev. 16:13, 14). Yo rele gwoup nasyon sa a “Gòg, ki soti nan peyi Magòg”. Lè nasyon yo pral atake pèp Jewova a, lagè Amagedon an ap kòmanse. — Rev. 16:16. w19.09 11 § 12-13.
Jedi 8 jiyè
Rezònman moun ki gen sajès yo pa vo anyen. — 1 Kor. 3:20.
Nan tan lontan, ann Izrayèl, Satan te sèvi ak fo relijyon pou l ankouraje moun lage kò yo nan imoralite seksyèl. Li kontinye fè menm bagay la jodi a. Fo relijyon tolere moun k ap fè imoralite e yo menm ankouraje moun fè imoralite. Konsa, anpil moun ki di y ap sèvi Bondye sispann obeyi prensip moral Bondye bay ki byen klè yo. Nan yon lèt apot Pòl te ekri Women yo, li te esplike sa k ap rive relijyon k ap ankouraje moun fè imoralite seksyèl yo (Wom. 1:28-31). Pami “bagay ki pa kòrèk” yo, gen tout kalite fòm imoralite seksyèl, san wete omoseksyalite (Wom. 1:24-27, 32; Rev. 2:20). Donk, li enpòtan anpil pou nou kontinye obeyi ansèyman klè Bib la bay yo! Filozofi lèzòm yo meprize prensip Bondye yo ki dwat oubyen yo an kontradiksyon ak yo. Yo pa ankouraje moun chèche gen fwi lespri Bondye a, men yo pouse yo pratike “zèv lachè yo”. (Gal. 5:19-23.) Yo fè moun yo gen ògèy ak awogans, e sa fè moun yo vin “renmen pwòp tèt yo”. (2 Tim. 3:2-4.) Defo sa yo pa gen anyen pou yo wè ak imilite, yon kalite yo ankouraje sèvitè Bondye yo pou yo genyen. — 2 Sam. 22:28. w19.06 5-6 § 12-14.
Vandredi 9 jiyè
Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè. — Pwo. 17:17.
Pwofèt Eli te sèvi Jewova nan moman difisil e li te rankontre gwo difikilte. Lè Jewova te di Eli pou l bay Elize yon pati nan responsablite l genyen an, se te yon fason pou l te bay Eli sa l te bezwen nan moman an, yon konpayon ki t ap ka ede l lè l santi l dekouraje. Menm jan an tou, lè nou pale avèk yon zanmi nou fè konfyans, li ka ede nou lè n santi n dekouraje (2 Wa 2:2). Si w santi ou pa gen pèsonn ou ka esplike pwoblèm ou ak sa w santi, priye Jewova pou l ede w jwenn yon kretyen ki gen matirite ki ka ankouraje w. Jewova te ede Eli fè fas ak strès li te genyen e li te ede l pou l sèvi l fidèlman pandan plizyè ane. Eksperyans Eli te fè a ban nou espwa. Pafwa nou konn tèlman gen gwo strès, sa fè nou santi nou kraze nèt, ni nan kò nou, ni nan lespri nou. Men, si nou konte sou Jewova, l ap ban nou fòs nou bezwen pou nou kontinye sèvi l. — Eza. 40:28, 29. w19.06 15 § 4; 16 § 9-10.
Samdi 10 jiyè
Tranble devan moun se yon pyèj, men, moun ki mete konfyans yo nan Jewova ap jwenn pwoteksyon. — Pwo. 29:25.
Nou ka vin gen plis kouraj depi kounye a lè nou preche bon nouvèl Wayòm nan. Poukisa sa enpòtan? Paske lè nou preche, sa ede nou fè Jewova konfyans e sa fè n pa pè moun. Menm jan mis nan kò nou vin pi djanm lè nou fè egzèsis, se konsa tou nou vin gen plis kouraj lè nou preche kay an kay, lè nou preche nan zòn piblik yo, lè nou bay temwayaj enfòmèl ak lè nou preche nan tèritwa kote ki gen biznis. Si nou met kouraj sou nou pou nou preche depi kounye a, n ap byen prepare pou nou kontinye preche menm lè yo entèdi travay nou an (1 Tes. 2:1, 2). Nou ka aprann anpil bagay nan egzanp yon sè ki fidèl ki te demontre anpil kouraj. Nancy Yuen pa t mezire plis pase 1,50 mèt wotè, men li pa t kraponnen fasil. Li pa t vle sispann preche bon nouvèl Wayòm nan. Se sa k fè yo te mete l nan prizon pou plis pase 20 an nan peyi Lachin. Otorite ki t ap poze l kesyon yo te di li se moun ki “pi gen tèt di” nan peyi a. w19.07 5 § 13-14.
Dimanch 11 jiyè
Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. — Mat. 28:19.
Gen moun ki swaf aprann verite ki nan Bib la, men anpil moun nou rankontre ka parèt pa enterese okòmansman. Nou ka pale avè yo yon fason k ap fè yo vin enterese. Pou nou ka jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an, nou bezwen byen prepare. Chwazi sijè k ap enterese moun yo. Apre sa, reflechi sou fason pou w kòmanse yon konvèsasyon. Pa egzanp, ou ka di moun ou rankontre a: “Gen yon kesyon n ap poze e nou ta renmen konnen sa w panse sou sa. Anpil pwoblèm nou jwenn jodi a se pwoblèm moun toupatou sou tè a genyen. Èske w panse dwe gen yon sèl gouvènman k ap dirije tout tè a pou rezoud pwoblèm ki gen nan monn nan?” Apre sa, pale sou Dànyèl 2:44. Oswa w ka mande moun nan: “Ki sa yon paran ka fè pou l byen leve pitit li? Sa w panse?” Apre sa, pale sou Detewonòm 6:6, 7. Pa gen dout nan sa, nou santi nou kontan anpil lè nou ede lòt moun vin disip Kris. w19.07 15 § 4, 6-7.
Lendi 12 jiyè
Èske dye moun yo fè yo se dye yo ye toutbonvre? — Jer. 16:20.
Gen yon frè ki gen lontan depi l ap preche moun nan Ekstrèm Oryan ki pa enterese nan relijyon ki di: “Byen souvan, lè yon moun isit la di ‘Mwen pa kwè nan Bondye’, li vle di li pa kwè nan zafè adore dye pifò moun nan zòn nan adore yo. An jeneral, mwen fè moun nan konnen mwen dakò pifò dye yo se moun ki fè yo e yo pa reyèl. Byen souvan, mwen li Jeremi 16:20 apre sa, mwen konn mande yo: ‘Ki jan nou ka konnen si dye yo se dye toutbon oswa si se moun ki fè yo?’ Mwen koute yo avèk atansyon, epi mwen li Ezayi 41:23 ki di: ‘Di nou ki sa k pral rive nan tan k ap vini yo pou nou ka konnen se dye nou ye.’ Apre sa, mwen montre yo yon kote Jewova te fè konnen sa k pral rive alavni.” Men sa yon lòt frè di: “Mwen montre yo egzanp ki fè konnen jan sa ki nan Bib la itil, jan yon seri pwofesi akonpli, ak lwa ki kontwole linivè. Apre sa, mwen montre yo ki jan tout bagay sa yo pwouve gen yon Kreyatè ki vivan e ki gen anpil sajès. Lè yon moun dakò li posib pou Bondye egziste, mwen kòmanse montre l sa Bib la di sou Jewova.” w19.07 23-24 § 14-15.
Madi 13 jiyè
Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo. — Flp. 1:10.
Men kèk nan bagay ki pi enpòtan yo: Onore non Jewova, reyalizasyon objektif li yo, ak lapè ak inite nan kongregasyon an (Mat. 6:9, 10; Jan 13:35). Lè nou bay bagay sa yo plis enpòtans nan lavi nou, n ap montre nou renmen Jewova. Apot Pòl te di nou dwe “san defo”. Sa pa vle di nou dwe pafè. Si nou fè tout sa nou kapab pou nou gen plis lanmou e pou nou rekonèt bagay ki pi enpòtan yo, Jewova ap wè nou kòm moun ki san defo. Youn nan fason nou ka montre nou gen lanmou se lè nou fè tout sa nou kapab pou nou pa fè lòt moun bite. Konsèy pou nou evite fè lòt moun bite a se yon konsèy ki vrèman fèm. Ki jan nou ka fè yon moun bite? Nou ka fè sa nan sa nou chwazi pou detann nou, nan sa nou chwazi met sou nou oswa menm nan travay nou chwazi fè. Petèt sa nou chwazi fè a pa gen anyen mal ladan l. Men, si sa blese konsyans yon frè nou oswa yon sè nou e li fè l bite, se yon bagay ki grav. — Mat. 18:6. w19.08 10 § 9-11.
Mèkredi 14 jiyè
Moun sa yo se moun ki soti anba gwo tribilasyon an. Yo lave wòb long yo, e yo blanchi yo nan san Ti Mouton an. — Rev. 7:14.
Depi 1935 Temwen Jewova yo konprann gwo foul moun Jan te wè nan vizyon an se yon gwoup kretyen fidèl ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a (Rev. 7:9, 10). Pou gwo foul moun nan chape anba gwo tribilasyon an, y ap bezwen aprann konnen Jewova anvan Rèy mil an an kòmanse. Y ap bezwen demontre yon lafwa solid pou yo ka “rive chape anba tout bagay sa yo ki dwe rive” anvan Rèy mil an Kris la (Lik 21:34-36). Moun ki fè pati gwo foul moun yo kontan pou esperans yo genyen an. Yo konprann se Jewova ki deside ki kote adoratè l ki fidèl yo pral sèvi l, swa nan syèl la, swa sou tè a. Ni moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ni gwo foul moun nan rekonèt sèl sa k ka fè yo resevwa rekonpans lan se paske Jewova fè yo yon favè san parèy pa mwayen sakrifis ranson Jezi Kris la. — Wom. 3:24. w19.09 28 § 10; 29 § 12-13.
Jedi 15 jiyè
Lajwa Jewova bay la se fòs nou. — Ney. 8:10.
Èske w resevwa yon nouvo asiyasyon? Travay pou w reyisi ladan l. Pa panse ou pa t byen fè travay ou nan asiyasyon w te ye anvan an oswa ou pa gen anpil valè kounye a. Reflechi ak pakèt fason Jewova ap ede w kounye a, epi kontinye preche. Imite kretyen fidèl nan premye syèk yo. Kèlkeswa kote yo te ye, yo te “anonse bon nouvèl pawòl Bondye a tout kote yo pase”. (Tra. 8:1, 4.) Efò w ap fè pou w kontinye preche yo ka bay bon rezilta. Pa egzanp, yon seri pyonye yo te mete deyò nan yon peyi t al nan yon lòt peyi ki toupre a, kote ki te gen gwo bezwen nan peyi a nan lang pa yo. Nan kèk mwa sèlman, anpil moun te vin fè pati nouvo gwoup ki te nan lang pyonye yo t ap preche a. Sa ki dwe ban nou plis kè kontan se bon relasyon nou gen ak Jewova. Kidonk, kontinye mache avèk Jewova, epi mande l pou l ba w sajès, direksyon ak èd ou bezwen. Sonje ou te vin renmen ansyen asiyasyon w lan paske w te fè tout sa w kapab pou w ede moun yo. Fè tout sa w kapab nan asiyasyon w gen kounye a epi gade jan Jewova ap ede w pou w renmen l tou. — Ekl. 7:10. w19.08 24-25 § 15-16.
Vandredi 16 jiyè
Èske nou pa ta dwe dispoze soumèt nou plis toujou devan Papa nou? — Ebre 12:9.
Nou dwe soumèt devan Jewova paske se li ki kreye nou. Antanke Kreyatè, li gen dwa di nou sa pou nou fè ak fason pou nou aji (Rev. 4:11). Men, gen yon lòt rezon ki pouse nou obeyi l: se paske fason li dirije a se li ki pi bon. Pandan tout listwa, anpil chèf gen otorite sou lòt moun. Lè nou konpare Jewova avèk yo, nou wè Jewova se Dirijan ki gen plis sajès, plis lanmou, plis mizèrikòd ak plis konpasyon ki egziste (Egz. 34:6; Wom. 16:27; 1 Jan 4:8). Nou soumèt devan Jewova lè nou fè tout sa n kapab pou nou obeyi l nan tout bagay e nou veye pou nou pa konte sou entèlijans nou (Pwo. 3:5). Nou twouve l pi fasil pou nou soumèt devan Jewova lè nou vin konnen bèl kalite li genyen yo. Poukisa? Paske kalite sa yo parèt nan tout sa l fè yo (Sòm 145:9). Plis nou aprann konnen Jewova, se plis n ap vin renmen l. E lè nou renmen Jewova, nou pa bezwen yon lis byen long ki gen yon seri règ pou fè nou konnen sa pou nou fè ak sa pou nou pa fè. w19.09 14 § 1, 3.
Samdi 17 jiyè
Jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè. — Mat. 11:30.
Satan fè moun soufri paske l ba yo yon seri manti ki fè yo santi yo sanzespwa. Pa egzanp, li vle nou kwè Jewova pap padone nou pou peche nou fè e nou pa merite pou yo renmen nou. Sa a se yon gwo manti ki ka fè moun santi yo dekouraje (Jan 8:44)! Lè nou “vin jwenn” Kris, peche nou yo jwenn padon (Mat. 11:28). An reyalite, Jewova renmen nou tout anpil (Wom. 8:32, 38, 39). Chay Jezi mande nou pote a pa menm ak responsablite nou genyen yo. Pa egzanp, nan fen yon jounen travay, nonsèlman anpil moun konn santi yo fatige, men tou yo konn pa satisfè. Tandiske, apre nou fin pase tan nan travay Jewova ak Kris ban nou fè yo, nou santi nou vrèman satisfè. Nou ka santi n fatige e nou oblije fè gwo efò pou nou asiste reyinyon kongregasyon an nan aswè. Men, byen souvan, lè nou tounen lakay nou apre reyinyon, nou konn santi nou jwenn fòs. Se menm bagay la lè nou fè efò pou nou preche e pou nou fè etid pèsonèl. Satisfaksyon nou jwenn nan depase efò nou te fè yo. w19.09 20 § 1; 23-24 § 15-16.
Dimanch 18 jiyè
Jou Jewova a ap vini egzakteman tankou yon vòlè ki vin vòlè lannuit. — 1 Tes. 5:2.
Nan tikras tan ki rete anvan “jou” Jewova a kòmanse, li ta renmen nou ret okipe nan travay predikasyon an. Nou bezwen chèche “gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Lè Jezi t ap pale konsènan tout gwo bagay ki t ap gen pou rive nan dènye jou yo, men sa l te di: “Epitou, fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon.” (Mak 13:4, 8, 10; Mat. 24:14). Fè yon ti reflechi: Chak fwa w al preche, se patisipe w ap patisipe nan akonplisman pwofesi sa a Bib la bay la! Chak ane, gen pwogrè k ap fèt nan travay predikasyon Wayòm nan. Pa egzanp, reflechi sou fason kantite pwoklamatè Wayòm yo ap ogmante nan lemonnantye nan dènye jou yo. An 1914, te gen 5 155 pwoklamatè nan 43 peyi. Jodi a, gen anviwon 8,5 milyon pwoklamatè nan 240 peyi! Aktout sa, travay nou an poko fini. Nou dwe kontinye fè konnen Wayòm Bondye a se sèl solisyon pou tout pwoblèm lèzòm genyen yo. — Sòm 145:11-13. w19.10 8 § 3; 9-10 § 7-8.
Lendi 19 jiyè
Bondye beni nou nan tout sans, konsa nou vin ka montre nou donan tout jan, sa ki pouse moun di Bondye mèsi grasa nou. — 2 Kor. 9:11.
Jewova te sèvi ak Bazilayi pou bay wa David sa l te gen bezwen. David ak moun ki te avè l yo te “grangou, yo [te] fatige e yo [te] swaf” pandan yo t ap kouri pou Absalon, pitit gason David. Bazilayi, ki te granmoun anpil lè sa a, te riske lavi l ansanm ak yon seri lòt moun pou yo bay David ak moun ki te avè l yo sa yo te gen bezwen. Bazilayi pa t di piske l granmoun anpil, li pa t itil Jewova anyen ankò. Okontrè, li te montre l donan lè l te sèvi ak sa l te genyen pou l ede sèvitè Bondye a ki te nan bezwen (2 Sam. 17:27-29). Ki leson nou aprann nan sa? Kèlkeswa laj nou, Jewova ka sèvi avè n pou ede kwayan parèy nou yo ki nan bezwen, kit se nan peyi nou, kit se nan yon lòt peyi (Pwo. 3:27, 28; 19:17). Menmsi nou pa ka ede yo dirèkteman, nou ka fè ofrann pou travay mondyal la yon fason pou gen kòb ki disponib pou pote frè ak sè n yo sekou nan moman sa nesesè ak kote yo bezwen sa. — 2 Kor. 8:14, 15. w19.10 21 § 6.
Madi 20 jiyè
Gen zanmi ki prèt pou kraze youn lòt, men, gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè. — Pwo. 18:24.
Nou ka twouve l difisil pou nou fè lòt moun konnen sa k nan kè nou, paske petèt yon moun te fè nou yon bagay ki te fè nou mal (Pwo. 18:19). Oswa, petèt nou ka gen enpresyon nou pa gen ase tan ak enèji pou nou chèche gen bon zanmi. Men, nou pa dwe dekouraje. Si nou vle frè nou yo soutni nou lè nou nan eprèv, nou dwe chèche vin bon zanmi yo depi kounye a. Youn nan fason ki enpòtan pou nou fè sa se lè nou fè yo konnen sa nou panse ak sa nou santi (1 Pyè 1:22). Jezi te montre li fè zanmi l yo konfyans lefètke l te alèz pou l pale avèk yo (Jan 15:15). Nou ka imite l lè nou fè zanmi nou yo konnen sa k fè kè nou kontan, tètchaje nou genyen ak sa ki fè nou mal. Lè yon moun ap pale avè w, pran san w pou w koute l, konsa ou ka rann ou kont nan plizyè domèn nou panse menm jan, nou santi nou menm jan e nou gen menm objektif. Si w fè efò pou w gen konvèsasyon ki sensè ak lòt moun, amitye w vin gen avèk yo a ka vin pi solid. — Pwo. 27:9. w19.11 4 § 8-9.
Mèkredi 21 jiyè
Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. — Eze. 2:4.
Pandan gwo tribilasyon an, petèt mesaj n ap preche a pral chanje. Kounye a, n ap preche bon nouvèl Wayòm nan, e nou fè efò pou nou fè disip. Men nan moman sa a, petèt n ap gen pou n bay yon mesaj k ap frape fò tankou lagrèl (Rev. 16:21). Nou ka ap fè konnen monn Satan an pral disparèt talè konsa. Rive yon lè, n ap vin konn egzakteman ki mesaj n ap gen pou nou bay e ki jan nou pral bay li. Èske nou pral sèvi ak menm metòd la? Oswa èske n apral itilize lòt metòd? N ap oblije ret tann pou nou wè. Kèlkeswa jan sa ap ye, sanble n ap gen privilèj pou nou pwoklame mesaj jijman Jewova a avèk kran (Eze. 2:3-5)! Li posib pou mesaj nou pral bay la pral fè nasyon yo fache e sa ap fè yo eseye fè nou fèmen bouch nou nèt. Menm jan nou konte sou Jewova kounye a pou l ede nou nan travay predikasyon an, n ap bezwen l ede nou lè sa a. Nou ka gen asirans Bondye nou an ap ban nou fòs pou nou akonpli volonte l. — Miche 3:8. w19.10 16 § 8-9.
Jedi 22 jiyè
Gen kèk moun [ki] pèdi chemen lafwa a. — 1 Tim. 6:10.
Ekspresyon “pèdi chemen” an montre nou kapab vin distrè nan chèche gen byen materyèl ki pa nesesè. Si n ta fè sa, nou t ap vin gen yon pakèt “anvi ki san sans e ki fè moun soufri”. (1 Tim. 6:10.) Nou pa dwe kite anvi sa yo antre nan kè nou, okontrè, nou dwe sonje yo se yon seri zam ki ka fè nou soufri. Ann sipoze nou gen mwayen pou nou achte anpil bagay materyèl. Èske se yon bagay mal sa t ap ye si nou achte bagay nou renmen men nou poko bezwen? Pa vrèman. Men, ann fè yon ti reflechi sou kesyon ki vin apre yo: Menmsi nou ka achte yon bagay, èske nou vrèman gen tan ak enèji pou n sèvi avèk yo e pou n pran swen yo? Epitou, èske n ka vin twò atache ak bagay materyèl nou genyen? Èske sa ka rive nou vin tèlman atache ak bagay materyèl sa fè nou aji menm jan ak yon jèn gason ki pa t aksepte envitasyon Jezi te fè l pou l fè plis nan sèvis Bondye (Mak 10:17-22)? Li t ap pi bon pou nou lontan si nou ta mennen yon vi senp epi n ta itilize tan nou ak fòs nou ki gen anpil valè pou n fè volonte Bondye! w19.11 17-18 § 15-16.
Vandredi 23 jiyè
Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li. — Pwo. 21:5.
Bondye ka ba w “fòs pou [w] aji” e pou w respekte yon desizyon (Flp. 2:13). Donk, priye l pou l ba w fòs pou w aji. Mande Jewova pou l ba w lespri sen k ap pèmèt ou jwenn fòs ou bezwen an. Kontinye priye, menm lè w panse w poko jwenn repons pou priyè w la. Jan Jezi te di sa: “Kontinye mande, y ap ban nou” lespri sen (Lik 11:9, 13). Anplis de sa, fè yon plan. Kèlkeswa pwojè w kòmanse, pou w fini l ou bezwen gen yon plan. Apre sa, ou bezwen fè efò pou w respekte plan an. Menm jan an tou, lè w pran yon desizyon, fè yon lis ki gen tout sa w bezwen fè pou w respekte desizyon sa a. Lè w gen yon gwo travay pou w fè, fè l fè plizyè pati. Konsa l ap pi fasil pou w wè sa w fè. Apot Pòl te ankouraje kretyen nan vil Korent yo pou yo mete yon ti bagay apa pou yo bay kòm ofrann. Yo te dwe fè sa “premye jou nan chak semèn” olye yo tann se lè l vini pou y ap eseye ranmase lajan (1 Kor. 16:2). Lè w gen yon gwo travay pou w fè e w fè l fè plizyè pati, sa ap fè w pa santi travay la twòp pou ou. w19.11 29 § 13-14.
Samdi 24 jiyè
Moun ki konn non w ap met konfyans yo nan ou. Ou pap janm abandone moun k ap chèche w yo, o Jewova. — Sòm 9:10.
Nou ka panse nou konnen Bondye lè n konnen non l oubyen lè n konnen kèk bagay li di oswa li fè. Men, pou nou konnen Jewova byen, sa mande plis toujou. Nou bezwen pran tan pou n aprann konnen Jewova ak bèl kalite li genyen yo. Se sèl fason sa a n ap kòmanse konprann ki sa k pouse l pale ak ki sa k pouse l aji. Sa ap ede nou chèche konprann si li dakò ak fason nou panse, ak desizyon nou pran ak fason nou aji. Yonfwa nou vin konprann sa Jewova vle nou fè, nou bezwen aji ann amoni ak sa nou aprann nan. Kèk moun ka pase nou nan jwèt paske n ap sèvi Jewova. E yo ka pa dakò avè n sitou lè nou kòmanse asiste reyinyon sèvitè Jewova yo òganize. Epoutan, si nou met konfyans nou nan Jewova, li pap janm abandone nou. N ap kapab vin zanmi Bondye, e zanmitay sa a ap dire pou toutan. Èske l posib pou nou konn Jewova byen konsa? Wi, li posib. w19.12 16-17 § 3-4.
Dimanch 25 jiyè
Pitit se eritaj Jewova bay. — Sòm 127:3, nòt.
Pafwa, paran yo ka twouve l twò difisil pou yo anseye pitit yo, men yo bezwen sonje timoun yo se kado Jewova bay. Li toujou la pou ede yo. Li dispoze koute priyè paran yo. Epi, li reponn priyè sa yo pa mwayen Bib la, piblikasyon nou yo ansanm ak egzanp ak konsèy paran ki gen matirite ki nan kongregasyon an bay. Yo fè konnen pou leve yon timoun se yon pwojè k ap pran 20 an, men paran yo pa janm sispann paran vre. Pi bon bagay yo ka bay pitit yo se lanmou, tan ak fòmasyon ki baze sou Bib la. Tout timoun pa reyaji menm jan devan fòmasyon yo resevwa. Men, gen anpil ladan yo paran yo renmen Jewova e yo leve yo nan laverite ki santi yo menm jan ak Joanna Mae, yon sè k ap viv ann Azi, ki di: “Mwen gen anpil rekonesans dèske paran m te konn ban m disiplin e yo te aprann mwen renmen Jewova. Yo pa t annik ban m lavi, yo te ban m yon lavi ki gen anpil sans.” (Pwo. 23:24, 25). Gen plizyè milyon kretyen ki ta ka di menm bagay la tou. w19.12 27 § 21-22.
Lendi 26 jiyè
Konsole moun ki nan tout kalite eprèv grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye. — 2 Kor. 1:4.
Li pa difisil pou n jwenn frè ak sè ki bezwen konsolasyon. Men, nou bezwen pran inisyativ pou n konsole lòt moun menm lè nou gendwa pè. Pa egzanp, nou ka pè paske n pa konn sa pou n di oswa sa pou n fè pou n ede yon moun ki nan yon sitiyasyon difisil. Nou ka bay lòt moun bonjan konsolasyon si nou montre nou enterese nan yo. Plis n ap pwoche pi pre fen sistèm sa a, se plis sitiyasyon monn nan ap vin pi mal e lavi a ap vin pi difisil (2 Tim. 3:13). Epitou, n ap kontinye bezwen konsolasyon akoz nou enpafè e nou kontinye ap fè erè. Youn nan rezon ki fè apot Pòl te ka kontinye andire avèk fidelite jiskaske l mouri se paske l te jwenn konsolasyon nan men kretyen parèy li yo. Lè n suiv egzanp yo, nou ka ede frè n ak sè n yo rete fèm nan lafwa. — 1 Tes. 3:2, 3. w20.01 12-13 § 17-19.
Madi 27 jiyè
Ou teste moun ki di se apot yo ye. — Rev. 2:2.
Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa atann pou lòt moun trete yo yon fason ki espesyal (Flp. 2:2, 3). Yo konnen lè Jewova te chwazi yo li pa t fè okenn lòt moun konn sa. Se sa k fè yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl pa sezi si kèk moun pa kwè tousuit Bondye chwazi l. Li konprann Bib la di nou pou n pa kouri kwè yon moun ki di Bondye ba l yon responsablite espesyal. Piske yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl pa vle atire atansyon sou tèt li, li pap fè moun li rankontre pou premye fwa konnen Bondye chwazi l. E se sèten li pap chèche vante tèt li (1 Kor. 4:7, 8). Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa chèche lòt kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl menm jan ak yo pou yo pale konsènan esperans yo oubyen pou yo fè gwoup etid prive sou Bib la (Gal. 1:15-17). Kongregasyon an pa t ap gen inite si moun Bondye chwazi yo ta aji konsa. Si yo ta fè sa, yo t ap travay kont lespri sen ki ede pèp Bondye a gen lapè ak inite. — Wom. 16:17, 18. w20.01 28 § 6-7.
Mèkredi 28 jiyè
Lè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe dwat, leve tèt nou, paske se delivrans nou k ap pwoche. — Lik 21:28.
Rive yon moman, moun ki te nan relijyon ki detwi yo ka pa kontan lefètke relijyon Temwen Jewova yo kontinye egziste. Sandout yo pral fè lòt moun konnen jan yo fache, yo ka sèvi ak rezo sosyal tou pou yo fè sa. Nasyon yo ak chèf yo a, Satan, pral rayi nou poutèt nou se sèl relijyon ki rete. Yo pap reyisi elimine tout relijyon sou tè a jan yo vle a. Se sa k fè tout je pral fikse sou nou. Nan moman sa a, nasyon yo pral tounen Gòg ki soti nan peyi Magòg. Yo pral met tèt yo ansanm pou yo fè yon pote boure sou pèp Jewova a (Eze. 38:2, 14-16). Nou ta ka kòmanse bay tèt nou pwoblèm konsènan sa k pral rive pandan gwo tribilasyon an, sitou paske nou pa gen bonjan detay sou sa k pral pase yo. Men, yon bagay ki sèten, nou pa bezwen pè gwo tribilasyon an. Jewova pral ban nou enstriksyon k ap pwoteje nou. — Sòm 34:19. w19.10 16-17 § 10-11.
Jedi 29 jiyè
Ou fè anpil bagay, O Jewova, Bondye m nan. Ou fè bèl aksyon pou nou e w gen bèl objektif pou nou. — Sòm 40:5.
Nou pa annik santi nou gen rekonesans, men nou montre Jewova nou gen rekonesans nan pawòl nou ak nan aksyon nou. Sa fè nou diferan ak anpil moun jodi a. N ap viv nan yon monn kote moun pa gen rekonesans pou tout sa Bondye fè pou yo. Anfèt, youn nan bagay ki montre n ap viv nan “dènye jou yo” sèke moun yo engra (2 Tim. 3:1, 2). Pinga nou janm aji konsa! Jewova vle pou tout pitit li yo byen boule youn ak lòt. Anfèt, lanmou nou genyen youn pou lòt montre nou se vrè kretyen (Jan 13:35). Nou dakò ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki di: “Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm!” (Sòm 133:1). Lè nou renmen frè n ak sè n yo, nou montre Jewova nou renmen l (1 Jan 4:20). Se pa ti kontan nou kontan fè pati yon fanmi frè ak sè ki “aji byen youn ak lòt”, ki gen “kè sansib ak tandrès”! — Efe. 4:32. w20.02 9 § 6-7.
Vandredi 30 jiyè
Jewova te vin gen pitye pou Ana. — 1 Sam. 2:21.
Sa k te lakòz Ana enkyè a pa t disparèt tousuit. Li te toujou oblije viv nan menm kay ak Penina. E Labib pa di si Penina te chanje atitid. Donk, petèt Ana te oblije kontinye sipòte pawòl pike matlòt li a te konn di yo. Men, Ana pa t santi l enkyè ankò e l te kapab santi l anpè. Apre Ana te fin kite bagay yo nan men Jewova, li pa t gen tètchaje ankò. Li te kite Jewova konsole l e li te kite l soulaje l. Yon ti tan apre sa, Jewova te reponn priyè Ana e li te pèmèt li gen pwòp pitit pa l (1 Sam. 1:2, 6, 7, 17-20). Nou ka vin gen lapè ankò menmsi rezon ki fè nou gen tètchaje a toujou la. Menm lè nou priye anpil e nou toujou asiste reyinyon yo, gen kèk pwoblèm ki ka toujou la. Men, egzanp Ana montre pa gen anyen ki ka anpeche Jewova soulaje kè nou lè nou gen enkyetid. Jewova pap janm bliye nou, e rive yon lè l ap rekonpanse nou poutèt nou fidèl. — Ebre 11:6. w20.02 22 § 9-10.
Samdi 31 jiyè
Enstwi yon moun ki gen sajès, e l ap vin gen plis sajès. — Pwo. 9:9.
Ansyen yo pa renka lè pou yo bay lòt moun konsèy ki soti nan Bib la k ap ede yo aji avèk sajès. Poukisa li enpòtan pou ansyen yo bay konsèy lè sa nesesè? Reflechi sou egzanp Eli: Gran prèt Eli te gen de pitit gason li te renmen anpil. Men, mesye sa yo pa t gen okenn respè pou Jewova. Yo te gen gwo responsablite antanke prèt ki t ap sèvi nan tabènak la. Men yo te mal sèvi ak otorite yo te genyen an, yo te montre yo pa gen okenn respè pou ofrann moun te pote pou Jewova yo, e tout moun te konnen yo t ap fè imoralite seksyèl (1 Sam. 2:12-17, 22). Selon Lalwa Moyiz la, pitit Eli yo te merite mouri, men Eli te sitirè, li pa t fèm avèk yo e l te kite yo kontinye sèvi nan tabènak la (Det. 21:18-21). Ki jan Jewova te wè fason Eli te aji a? Men sa l te di Eli: “Poukisa ou kontinye bay pitit ou yo plis onè pase m?” Donk, Jewova te deside touye de mechan sa yo. — 1 Sam. 2:29, 34. w20.03 19 § 4-5.