BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es21
  • Out

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Out
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
  • Soutit
  • Dimanch 1ye out
  • Lendi 2 out
  • Madi 3 out
  • Mèkredi 4 out
  • Jedi 5 out
  • Vandredi 6 out
  • Samdi 7 out
  • Dimanch 8 out
  • Lendi 9 out
  • Madi 10 out
  • Mèkredi 11 out
  • Jedi 12 out
  • Vandredi 13 out
  • Samdi 14 out
  • Dimanch 15 out
  • Lendi 16 out
  • Madi 17 out
  • Mèkredi 18 out
  • Jedi 19 out
  • Vandredi 20 out
  • Samdi 21 out
  • Dimanch 22 out
  • Lendi 23 out
  • Madi 24 out
  • Mèkredi 25 out
  • Jedi 26 out
  • Vandredi 27 out
  • Samdi 28 out
  • Dimanch 29 out
  • Lendi 30 out
  • Madi 31 out
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
es21

Out

Dimanch 1ye out

Sila a ki voye m nan avè m. Li pa lage m poukont mwen. — Jan 8:29.

Menm lè yo t ap pèsekite Jezi, li te santi lespri l anpè paske li te konnen li fè kè Papa l kontan. Li te toujou obeyi Papa l, menm lè sa pa t fasil pou li fè sa. Li te renmen Papa l e se sèvi Jewova ki te pi enpòtan nan lavi l. Anvan l te vin sou tè a, li te bò kote Bondye “kòm yon moun ki konn travay byen”. (Pwo. 8:30.) E pandan li te sou tè a, li te chofe pou l fè lòt moun aprann konn Papa l (Mat. 6:9; Jan 5:17). Travay sa a te fè Jezi gen anpil kè kontan (Jan 4:34-36). Nou ka imite Jezi lè nou obeyi Jewova e lè nou “toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Lè n “okipe anpil” nan travay predikasyon an, sa ede nou pou n pi pozitif lè n gen pwoblèm (Tra. 18:5). Pa egzanp, byen souvan moun n al preche yo gen pwoblèm ki pi grav pase pwoblèm pa nou. Men, lè yo aprann renmen Jewova e yo aplike konsèy li bay, lavi yo vin amelyore e yo vin pi kontan. Chak fwa nou wè sa, nou vin gen plis asirans Jewova ap ede nou. w19.04 10-11 § 8-9.

Lendi 2 out

Anpil moun ki te konn pratike maji te rasanble liv maji yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun. — Tra. 19:19.

Moun sa yo te fè tout sa yo kapab pou yo reziste kont espri mechan. Liv maji yo te genyen yo te koute anpil kòb. Men olye yo te bay lòt moun liv sa yo oswa vann yo, yo te boule yo. Sa k te pi enpòtan pou yo se pa kantite kòb liv sa yo te koute, men se te fè Jewova plezi. Ki jan n ka suiv egzanp kretyen sa yo ki t ap viv nan premye syèk la? Li t ap bon pou nou elimine kèlkeswa bagay nou genyen ki gen rapò ak bagay mistik. Sa gen ladan l bagay moun konn met sou yo kòm gad oswa pwoteksyon, oubyen kèlkeswa lòt bagay moun met sou yo oswa yo genyen pou yo chèche pwoteje tèt yo anba espri mechan yo (1 Kor. 10:21). Byen egzamine aktivite w fè pou w detann ou. Mande tèt ou: ‘Èske gen detant mwen konn pran ki gen bagay ki gen rapò ak movèzespri ladan yo?’ Pran detèminasyon pou w fè chwa k ap ede w rete lwen nenpòt bagay Jewova rayi. Nou ta renmen fè tout sa n kapab pou “konsyans [nou] ret klè” devan Bondye nou an. — Tra. 24:16. w19.04 22-23 § 10-12.

Madi 3 out

Rele ansyen yo. — Jak 5:14.

Ansyen yo oblije byen reflechi sou yon pakèt bagay lè yo aprann yon moun fè yon peche ki grav. Objektif prensipal yo se onore Jewova e pwoteje repitasyon l (Lev. 22:31, 32; Mat. 6:9). Yon lòt bagay ki enpòtan anpil pou yo se ede frè ak sè yo rete pwòch ak Jewova, konsole moun ki viktim move zak yo epi ba yo sipò. Mete sou sa, si moun ki peche a se yon moun ki fè pati kongregasyon an, ansyen yo ap eseye ede l retounen gen bon relasyon ak Jewova si sa posib (Jak 5:14, 15). Yon kretyen ki kite move dezi anvayi l e ki fè yon peche grav se yon moun ki malad nan domèn espirityèl. Sa vle di li pa gen bon relasyon ak Jewova ankò. Nan yon sans, nan domèn espirityèl, ansyen yo tankou doktè. Yo fè tout sa yo kapab pou yo fè “moun ki malad la [nan ka sa a, se moun ki peche a] vin anfòm”. Konsèy yo bay ki baze sou Bib la ka ede moun nan retounen gen bon relasyon ak Bondye, men sa ap posib sèlman si moun nan repanti toutbon. — Tra. 3:19; 2 Kor. 2:5-10. w19.05 10 § 10-11.

Mèkredi 4 out

Bondye [...] fòtifye nou [...], li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. — Flp. 2:13.

Jewova ka ban nou volonte pou nou aji. Petèt nou aprann gen yon bezwen nan kongregasyon an oswa nan yon lòt kongregasyon. Nou ka ap mande tèt nou: ‘Ki jan m ka bay èd mwen?’ Oubyen, yo ka ban nou yon asiyasyon ki difisil, men n ap mande tèt nou si n ap kapab fè l byen. Oswa, apre nou fin li yon pati nan Pawòl Bondye a, nou ka ap mande tèt nou: ‘Ki jan m ka sèvi ak sa m sot li nan Bib la pou m ede lòt moun?’ Lè Jewova wè n ap reflechi pou n wè sa n ka fè, l ap ban nou volonte pou nou aji. Li ka ban nou fòs tou pou nou aji (Eza. 40:29). Li ka ogmante kapasite natirèl nou genyen pa mwayen lespri sen (Egz. 35:30-35). Jewova ka sèvi ak òganizasyon l lan pou l anseye nou fason pou nou fè yon seri travay. Si w pa konn ki jan pou w fè yon travay yo ba w fè, mande èd. Epitou, santi w alèz pou w mande Papa nou an ki nan syèl la, ki donan, pou l ba ou “pisans ki depase yon pisans nòmal”. — 2 Kor. 4:7; Lik 11:13. w19.10 21 § 3-4.

Jedi 5 out

Moun yo ap renmen pwòp tèt yo. — 2 Tim. 3:2.

Monn nan ap ankouraje moun pou yo wè tèt yo sèlman. Gen yon ansiklopedi ki di pandan ane 1970 yo “yo te vin fè anpil liv pou ede moun yo reyisi lavi yo”. Gen kèk liv “ki ankouraje moun k ap li yo pou yo konnen tèt yo, pou yo aksepte tèt yo jan yo ye a, e pou yo satisfè ak jan yo ye a”. Pa egzanp, ann pran yon deklarasyon ki te parèt nan youn nan liv sa yo: “Se pou w tonbe damou moun ki pi bèl la, ki pi enteresan an e ki pi diy ki egziste a: ou menm.” Liv sa a fè pwopagann pou yon “relijyon kote moun nan ap adore tèt li, kote li chwazi ki konpòtman l ap genyen selon konsyans li ak yon seri lwa li tabli selon sa li wè k ap bon pou li”. Èske sa pa fè w sonje yon bagay? Satan te ankouraje Èv pou l fè yon bagay menm jan an. Li te di Èv li ka “vin menm jan ak Bondye”. (Jen. 3:5.) Jodi a, gen anpil moun ki tèlman pran tèt yo pou yon pakèt afè, yo panse pa gen moun ki ka di yo sa ki byen ak sa ki mal, menm Bondye. Pa egzanp, nou sitou wè atitid sa a nan fason moun yo wè maryaj. w19.05 23 § 10-11.

Vandredi 6 out

Mwen nan lapenn e mwen kagou anpil, tout lajounen m ap mache tou tris. — Sòm 38:6.

Pafwa, wa David te konn gen gwo strès. Fè yon ti reflechi sou pakèt pwoblèm li te genyen. Li te santi l kraze nèt akoz pakèt erè li te fè yo (Sòm 40:12). Absalon, pitit gason l te renmen anpil la, te leve kont li, e sa te lakòz Absalon mouri (2 Sam. 15:13, 14; 18:33). E gen youn nan pi bon zanmi David yo ki te trayi l (2 Sam. 16:23–17:2; Sòm 55:12-14). Anpil nan sòm David te ekri yo montre jan l te dekouraje, men yo te montre tou jan l te gen yon konfyans total nan Jewova (Sòm 38:5-10; 94:17-19). Annapre, te gen youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te vin anvye fason moun ki mechan yo ap viv. Petèt li te yon desandan Asaf, yon Levit, e li t ap sèvi “nan tanp Bondye a”. Li te gen strès, sa ki te lakòz li pa t kontan e li pa t janm satisfè. Li te menm kòmanse panse benediksyon moun k ap sèvi Bondye yo jwenn pa ase. — Sòm 73:2-5, 7, 12-14, 16, 17, 21. w19.06 17 § 12-13.

Samdi 7 out

Nou konn entansyon [Satan]. — 2 Kor. 2:11.

Satan jwe sou dezi ki nòmal yo. Li nòmal pou nou anvi aprann metye ki ka ede nou pran swen tèt nou ak fanmi nou (1 Tim. 5:8). Byen souvan nou aprann metye sa yo lè n al lekòl e lè nou etidye anpil. Men, nou dwe fè atansyon. Sistèm edikasyon nan anpil peyi pa sèlman ede etidyan yo gen ase kapasite pou yo pran swen tèt yo men tou yo anseye yo filozofi lèzòm yo. Yo ankouraje etidyan yo pou yo gen dout sou egzistans Bondye e pou yo pa gen respè pou Bib la. Yo fè yo konnen sèl fason yo ka esplike kote lavi soti se pa mwayen teyori evolisyon an (Wom. 1:21-23). Ansèyman konsa depaman nèt ak “sajès Bondye”. (1 Kor. 1:19-21; 3:18-20.) Se pou w pran detèminasyon pou w pa janm kite “filozofi ak twonpri ki san valè” monn Satan an pran w nan pyèj (Kol. 2:8). Se pou w toujou ap pwoteje tèt ou kont taktik Satan yo (1 Kor. 3:18). Pa janm kite l fè w bliye Jewova. Se pou w viv ann amoni ak prensip moral wo nivo Jewova bay yo. E pa kite Satan twonpe w pou w meprize konsèy Jewova yo. w19.06 5 § 13; 7 § 17.

Dimanch 8 out

Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. — Mat. 28:20.

Kèlkeswa sijè w chwazi a, panse ak moun ki pral tande w la. Imajine jan sa ap ede l lè l vin aprann sa Bib la anseye toutbonvre. Lè w ap pale ak moun yo, li enpòtan pou w koute yo e pou w respekte sa yo di. Konsa, w ap pi byen konprann yo, e petèt y ap pi dispoze koute w. Anvan yon moun deside etidye Labib, nou ka bezwen retounen vizite l plizyè fwa, sa mande tan ak efò. Sa k fè sa? Paske moun yo ka pa disponib lè nou retounen vizite yo. Epitou, nou ka bezwen retounen plizyè fwa anvan moun nan santi l alèz avè n pou l aksepte yon etid biblik. Pa bliye, yon ti plant ap grandi pi fasil si nou wouze l regilyèman. Menm jan an tou, lanmou yon moun ki enterese gen pou Jewova ak Kris ap grandi pi fasil lè nou pale sou Pawòl Bondye a avè l regilyèman. w19.07 14 § 1; 15-16 § 7-8.

Lendi 9 out

Nou byennere lè moun rayi nou poutèt Pitit lòm nan, lè yo mete nou deyò nan mitan yo, lè yo joure nou e lè yo sal non nou kòmkwa nou se moun ki mechan. — Lik 6:22.

Ki sa Jezi te vle di? Jezi pa t vle di kretyen yo t ap kontan lè yo rayi yo. Olye de sa, se yon avètisman li te bay sou sa k ka rive. Kòm nou pa fè pati monn nan, nou suiv ansèyman Jezi yo nan lavi nou e nou preche mesaj li te konn preche a, sa fè moun rayi nou (Jan 15:18-21). Nou vle fè kè Jewova kontan. Si moun rayi nou paske nou renmen Papa nou an, se pwoblèm pa yo. Nou pa dwe panse nou pa gen valè si moun pa renmen nou. Nou pa konn ki lè moun ap kòmanse pèsekite nou ni ki lè gouvènman yo ap met entèdiksyon sou travay n ap fè a. Men, nou konnen nou ka prepare nou depi kounye a lè nou chèche gen yon pi bon relasyon ak Jewova, lè nou chèche gen plis kouraj ak lè nou chèche konn sa pou n fè lè moun rayi nou. Preparasyon nou fè depi kounye a ap ede nou pou nou kontinye sèvi Jewova alavni. w19.07 6 § 17-18; 7 § 21.

Madi 10 out

Yon moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li egziste. — Ebre 11:6.

Lè n ap kondui etid Labib ak yon moun ki pa t enterese nan relijyon, nou dwe kontinye ede l kwè Bondye egziste toutbon. Mete sou sa, nou dwe ede l kwè nan Bib la. Sa ka mande pou nou anseye l kèk verite plizyè fwa. Nou ka bezwen ede l wè prèv ki montre Bib la se Pawòl Bondye nan chak etid lè nou atire atansyon l sou pwofesi ki reyalize, sou fason Bib la egzak lè l ap pale sou bagay syantifik ak listwa, ak fason Bib la ka ede nou nan lavi a. Nou ka ede moun yo vin disip Kris lè nou montre nou renmen yo, kit yo enterese nan relijyon kit yo pa enterese nan relijyon (1 Kor. 13:1). Tank n ap anseye yo, objektif nou se montre yo Bondye renmen yo e li vle yo renmen l. Chak ane, gen plizyè milye moun ki pa t vrèman enterese nan relijyon okòmansman, oubyen ki pa t enterese ditou, ki vin batize paske yo vin aprann renmen Bondye. Donk, se pou nou pozitif e se pou nou montre nou renmen tout kalite moun e nou enterese nan yo. Koute yo. Eseye konprann yo. Pa mwayen egzanp nou, montre yo kòman pou yo vin disip Kris. w19.07 24 § 16-17.

Mèkredi 11 out

Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun, paske se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi. — Ebre 13:16.

Pitit fi Chaloum yo te pami moun Jewova te itilize pou repare miray Jerizalèm yo (Ney. 2:20; 3:12). Byenke Chaloum, papa yo, se te yon prens, pitit fi Chaloum yo te dispoze fè yon travay ki difisil e ki gen danje ladan l (Ney. 4:15-18). Jodi a, sè ki ofri tèt yo kòm volontè yo byen kontan ede nan yon fòm sèvis espesyal ki se konstriksyon ak antretyen lokal yo dedye pou Jewova yo. Ladrès yo genyen, fason yo chofe pou yo fè travay la ak fidelite yo enpòtan anpil pou travay la byen fèt. Jewova te ede Tabita pou l fè anpil “bèl aksyon, e [pou l] ede moun ki nan nesesite yo,” sitou vèv yo (Tra. 9:36). Piske li te donan anpil e li te yon bon moun, anpil moun te nan lapenn lè l te mouri. Men, yo te kontan anpil lè apot Pyè te resisite l (Tra. 9:39-41). Ki leson nou aprann nan egzanp Tabita? Kit nou jèn kit nou granmoun, kit nou se gason kit nou se fi, nou tout ka fè yon seri bagay pou n ede frè n ak sè n yo. w19.10 23 § 11-12.

Jedi 12 out

Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo, dekwa pou nou ka san defo e pou nou pa tounen yon obstak pou lafwa lòt moun. — Flp. 1:10.

Ki jan nou ka fè yon moun bite? Ann imajine yon sitiyasyon. Gen yon etidyan Labib ki te pran anpil tan e ki te fè anpil efò pou l rive sispann esklav alkòl. Li rann li kont li dwe sispann bwè alkòl nèt. Li fè chanjman nan lavi l e li batize. Annapre, gen yon frè ki envite l nan yon ti fèt lakay li e ki ofri l yon bwason ki gen alkòl ladan l epi li di l: “Si w gen metriz, ou ta dwe kapab bwè yon ti alkòl.” Se pa ti tris sa t ap tris si nouvo frè sa a ta suiv move konsèy sa a epi li tonbe nan bwè ankò! Reyinyon yo ede nou aplike enstriksyon yo bay nan tèks pou jounen an. Yo fè nou sonje sa k pi enpòtan nan je Jewova e yo montre nou jan pou n aplike sa nou aprann yo yon fason pou nou ka san defo. Yo ankouraje nou tou pou nou renmen Bondye e pou n renmen frè nou yo. Lè nou renmen Bondye ak frè nou yo ak tout kè nou, n ap fè tout sa nou kapab pou nou pa fè frè nou yo bite. w19.08 10 § 9; 11 § 13-14.

Vandredi 13 out

Mwen se pi piti nan apot yo, e mwen pa merite pou yo rele m apot, paske mwen te konn pèsekite kongregasyon Bondye a. — 1 Kor. 15:9.

Se pa paske yon moun parèt kwè nan tèt li oswa li kare ki vle di l gen ògèy (Jan 1:46, 47). Kit nou alèz ak moun, kit nou pa konsa, nou tout dwe fè efò pou nou vin gen imilite nan kè nou. Ann pran egzanp apot Pòl. Jewova te sèvi avè l anpil pou l etabli nouvo kongregasyon sot nan yon vil al nan yon lòt. Sanble li te preche nan plis vil pase tout lòt apot Jezi Kris yo. Epoutan, Pòl pa t panse li te pi enpòtan pase frè l yo. Annapre, Pòl te fè konnen se pa t kalite li te genyen oswa travay li te fè ki te fè l gen bon relasyon ak Jewova, men se favè san parèy Bondye te fè l (1 Kor. 15:10). Ala yon bèl leson Pòl bay sou imilite nan lèt li te ekri kretyen nan vil Korent yo, sitou lè nou sonje gen kèk moun nan kongregasyon an ki t ap eseye montre yo siperyè Pòl! — 2 Kor. 10:10. w19.09 3 § 5-6.

Samdi 14 out

Èske nou pa ta dwe dispoze soumèt nou plis toujou devan Papa nou? — Ebre 12:9.

Youn nan rezon ki fè nou ka wè l difisil pou nou soumèt devan Jewova, se paske nou tout eritye peche e nou enpafè. Donk, nou gen yon seri tandans rebèl lakay nou. Lè Adan ak Èv te fè rebèl ak Bondye e yo te manje fwi Bondye te entèdi yo manje a, yo te etabli pwòp prensip pa yo sou sa ki byen ak sa ki mal (Jen. 3:22). Jodi a, pifò moun chwazi pa bay Jewova regle anyen pou yo, e yo tabli pwòp prensip pa yo sou sa ki byen ak sa ki mal. Menm moun ki konnen Jewova e ki renmen l ka ap lite pou yo soumèt nèt devan l. Apot Pòl te nan menm pwoblèm nan (Wom. 7:21-23). Menm jan ak Pòl, nou vle fè sa ki byen nan je Jewova. Men, nou dwe toujou ap lite kont tandans pou nou fè move bagay. Yon lòt rezon ki fè l ka difisil pou nou soumèt devan Jewova se paske jan nou te leve ka gen enfliyans sou nou. Anpil ide lèzòm genyen pa ann amoni ak volonte Jewova e se kapab yon lit n ap mennen tout tan pou nou sispann panse menm jan ak moun sa yo. w19.09 15 § 4-6.

Dimanch 15 out

Ale, vann tout sa w genyen, bay pòv kòb la, [...] apre sa, vin suiv mwen. — Mak 10:21.

Nou dwe montre nou rezonab. Nou chak gen yon kantite fòs. Se sa k fè nou dwe byen reflechi sou sa nou ka fè. Pa egzanp, nou ka ap gaspiye fòs nou nan chèche ranmase yon pakèt byen materyèl. Remake sa Jezi te di yon jèn gason rich ki te mande l: “Ki sa m dwe fè pou m gen lavi ki pap janm fini an?” Petèt li te yon bon moun, paske Evanjil Mak la fè konnen Jezi te “santi l gen lanmou pou li”. Jezi te fè jèn chèf la envitasyon ki pi wo a. Mesye a te santi l boulvèse paske l “te gen anpil byen” e sanble l pa t kapab kite yo (Mak 10:17-22). Se konsa li te rejte jouk Jezi te ofri l la e l te kontinye ret esklav “Lajan”. (Mat. 6:24.) Si se te ou, ki sa w t ap chwazi? Tanzantan li bon pou nou reflechi sou sa nou bay plis enpòtans nan lavi nou. Poukisa? Pou nou ka sèten n ap byen sèvi ak fòs nou genyen an. w19.09 24 § 17-18.

Lendi 16 out

Fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon. — Mak 13:10.

Travay predikasyon Wayòm nan pap kanpe toutotan Jewova pa di l fini. Konbyen tan ki rete pou moun yo aprann konnen Jewova Dye ak Jezi Kris (Jan 17:3)? Nou pa konnen. Men, nou konnen toutotan gwo tribilasyon an poko kòmanse tout moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” ka toujou byen reyaji devan bon nouvèl la (Tra. 13:48). Ki jan nou ka ede moun sa yo anvan l twò ta? Jewova ban nou tout sa nou bezwen, pa mwayen òganizasyon l lan, pou nou anseye moun yo laverite. Pa egzanp, nou resevwa fòmasyon chak semèn nan reyinyon lasemèn nan. Reyinyon sa a ede nou konnen sa pou n di premye fwa nou rankontre moun yo ak lè nou retounen vizite yo. E si apre w fin gen yon bèl konvèsasyon ak yon moun ki enterese ou kite yon feyè oswa yon peryodik nan men l, l ap gen posiblite fè plis lekti annatandan w pran kontak avè l ankò. Se responsablite pa nou pou nou fè tout sa nou kapab chak mwa nan travay predikasyon Wayòm nan. w19.10 9 § 7; 10 § 9-10.

Madi 17 out

Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun, paske se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi. — Ebre 13:16.

Jewova te pwomèt Simeyon, yon granmoun nan Jerizalèm ki te fidèl, li pap mouri san l pa wè Mesi a. Pwomès sa a dwe te ankouraje Simeyon anpil piske li te gen plizyè ane depi l t ap tann Mesi a. Li te jwenn rekonpans paske l te gen lafwa ak andirans. Yon jou, “lespri a [te] pouse” l vin nan tanp lan. Pandan Simeyon la, li wè Jezi ki te yon tibebe, e Jewova te sèvi ak Simeyon pou l bay yon pwofesi konsènan timoun sa a ki t ap vin Kris la (Lik 2:25-35). Byenke petèt Simeyon te gentan mouri anvan Jezi te kòmanse sèvis li sou tè a, Simeyon te gen rekonesans pou privilèj li te genyen an, e gen pi bon bagay ki rezève pou li! Nan monn nouvo a, mesye sa a ki te fidèl pral wè fason gouvènman Jezi a pral pote benediksyon pou tout fanmi sou tè a (Jen. 22:18). Nou menm tou, nou ka gen rekonesans pou kèlkeswa privilèj Jewova ban nou nan sèvis li. w19.10 22 § 7; 23 § 12.

Mèkredi 18 out

Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w. — Pwo. 4:23.

Kit nou pa gen anpil nan domèn materyèl oswa kit nou gen anpil, nou bezwen pwoteje kè nou. Ki jan? Pinga w vin gen lanmou pou lajan. Epi pa kite travay ou pran pye sou sèvis w ap bay Jewova a. Ki jan w ka konnen si sa ap rive w? Men kèk kesyon li ta bon pou w poze tèt ou: ‘Lè m nan reyinyon oswa lè m nan predikasyon, èske m toujou ap panse ak travay mwen? Èske m toujou ap enkyete pou m konnen si m ap gen ase kòb pou lè m gen bezwen? Èske lajan ak byen materyèl fè m gen pwoblèm ak moun mwen marye avè l la? Èske m t ap dakò fè travay moun pa bay valè si sa ap pèmèt mwen pase plis tan nan sèvis Jewova?’ ​(1 Tim. 6:9-12). Pandan n ap reflechi sou kesyon sa yo, nou pa dwe bliye Jewova renmen nou, e nou pa dwe bliye pwomès li fè moun ki atache avèk li yo ki di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” Se pou rezon sa a apot Pòl te ekri: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l.” — Ebre 13:5, 6. w19.10 29 § 10.

Jedi 19 out

Menm jan fè file fè, se konsa tou yon moun ka ede yon zanmi l vin pi bon. — Pwo. 27:17.

Lè nou travay ansanm ak kwayan parèy nou e lè nou wè bèl kalite yo genyen, nou aprann nan men yo e nou vin pi pwòch yo. Pa egzanp, ki jan w santi w lè w ap preche epi w tande yon zanmi w k ap defann lafwa l avèk kran oswa k ap fè konnen konfyans li gen nan Jewova ak nan objektif li yo e li fè sa ak tout kè l? Petèt ou vin renmen l plis toujou. Gen yon sè ki rele Adeline, ki gen 23 an, ki te mande youn nan zanmi l yo ki rele Candice pou l al preche avè l nan yon tèritwa yo pa preche souvan. Men sa l di: “Nou te vle preche ak plis detèminasyon e pou n renmen travay predikasyon an plis. Nou toule de te bezwen ankourajman pou nou fè plis nan sèvis Jewova a.” Ki byenfè yo te jwenn lefètke yo te travay ansanm? Men sa Adeline di: “Nan fen chak jounen, nou te fè konnen fason nou te santi nou, sa k te touche nou nan konvèsasyon nou te genyen yo ak fason nou te santi Jewova ede nou nan sèvis la. Nou toule de te renmen gen konvèsasyon pwofon sa yo e youn te vin konn lòt pi byen.” w19.11 5 § 10-11.

Vandredi 20 out

Se pou nou pran gwo boukliye lafwa a. — Efe. 6:16.

Nan tan lontan, si yon sòlda ta retounen san boukliye l, se t ap yon wont pou li. Men sa Tasit, yon istoryen women, te ekri: “Pi gwo wont yon sòlda ka pran se kite boukliye l dèyè.” Se youn nan rezon ki fè sòlda yo konn veye pou yo kenbe boukliye yo byen di. Nou kenbe boukliye lafwa nou an byen di lè nou asiste reyinyon yo regilyèman e lè nou fè lòt moun konnen non Jewova ak Wayòm li an (Ebre 10:23-25). Mete sou sa, nou li Pawòl Bondye a chak jou e nou priye Jewova pou l ede nou aplike sa Bib la di nan tout sa n ap fè (2 Tim. 3:16, 17). Konsa, pa gen zam Satan ap itilize kont nou k ap fè nou soufri nètale (Eza. 54:17). “Gwo boukliye lafwa” nou an ap pwoteje nou. N ap kenbe djanm kòtakòt ansanm ak frè n ak sè n yo. Nonsèlman n ap genyen batay n ap mennen chak jou yo, men tou n ap santi nou onore paske n ap nan menm kan ak Jezi lè l ap pote laviktwa nan lagè l ap fè kont Satan ak akolit li yo. — Rev. 17:14; 20:10. w19.11 19 § 18-19.

Samdi 21 out

M ap tire kou m yo yon fason pou se pa nan lib mwen tire yo. — 1 Kor. 9:26.

Si w ekri sa w planifye fè, l ap pi fasil pou w rive fè l (1 Kor. 14:40). Pa egzanp, yo ankouraje gwoup ansyen yo pou yo chwazi yon ansyen pou l pran nòt sou chak desizyon gwoup ansyen an pran, e yo bezwen deside kiyès k ap fè travay la ak dat yo ta renmen fin fè sa yo te planifye a. Lè ansyen yo suiv enstriksyon sa a, l ap pi fasil pou yo respekte desizyon yo te pran yo. Ou ka eseye fè menm bagay la tou nan kèlkeswa sa w ap fè. Pa egzanp, fè yon lis ki gen tout sa w ta renmen fè pandan jounen an, epi ranje yo nan lòd ou ta renmen fè yo a. Sa ka ede w nonsèlman pou w fin fè sa w te kòmanse a, men tou pou w fè plis aktivite nan mwens tan. Men, sa ap mande pou w fè efò. Sa mande efò pou w suiv plan w te fè a e pou w fini sa w te kòmanse a (Wom. 12:11). Apot Pòl te di Timote pou l “kontinye konsantre” sou sa l ap fè e pou l “pèsevere” pou l ka vin yon pi bon anseyan. Nou ka suiv konsèy sa a tou pou kèlkeswa sa nou ta renmen fè pou Jewova. — 1 Tim. 4:13, 16. w19.11 29-30 § 15-16.

Dimanch 22 out

Jewova te pale fasafas ak Moyiz tankou se te de moun k ap pale youn ak lòt. — Egz. 33:11.

Lè Jewova te mande Moyiz pou l fè nasyon Izrayèl la kite peyi Ejip, Moyiz te manke konfyans nan tèt li, e plizyè fwa li te fè Jewova konnen li santi l pa kalifye. Bondye te montre li gen bonjan konpasyon pou Moyiz, e li te ede l (Egz. 4:10-16). Se sa k fè, Moyiz te kapab bay Farawon yon seri mesaj jijman ki pisan. Lè sa a, Moyiz te wè fason Jewova sèvi ak pisans li genyen an pou l sove Izrayelit yo, men l te detwi Farawon ak lame l la nan Lanmè Wouj (Egz. 14:26-31; Sòm 136:15). Apre Moyiz te fin fè Izrayelit yo soti ann Ejip, yo te toujou ap plenyen. Malgre pèp la te aji konsa, Moyiz te wè jan Jewova gen anpil pasyans nan fason l t ap boule ak pèp Li te retire nan esklavaj la (Sòm 78:40-43). Mete sou sa, Moyiz te wè jan Jewova te demontre imilite yon fason estrawòdinè lè l te chanje lide apre Moyiz te fin mande l sa (Egz. 32:9-14). Apre Izrayelit yo te fin kite Ejip, Moyiz te tèlman vin pwòch ak Jewova, se kòmsi li te ka wè Papa l ki nan syèl la. — Ebre 11:27. w19.12 17 § 7-9.

Lendi 23 out

Li pran devan l al Galile. Se la n ap wè l. — Mat. 28:7.

Pifò nan disip Jezi yo se te moun Galile. Donk, olye yo ta fè reyinyon sa a ki te gen anpil moun ladan l nan yon kay prive nan Jerizalèm, li t ap pi rezonab pou yo reyini sou yon mòn nan Galile. Epitou, lè Jezi fin resisite, li te gentan rankontre ak 11 apot li yo nan yon kay prive nan Jerizalèm. Si se apot yo sèlman Jezi te vle bay lòd pou yo preche e pou yo fè disip, li te ka fè sa nan Jerizalèm olye l te mande yo menm ak medam yo ansanm ak lòt moun ankò pou yo rankontre l Galile (Lik 24:33, 36). Se pa t kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo sèlman Jezi te bay lòd pou fè disip la. Ki jan nou fè konn sa? Men dènye pawòl Jezi te di lè l t ap bay disip li yo lòd sa a: “Mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” ​(Mat. 28:19, 20). Anpil moun jodi a ap patisipe nan travay fè disip la. Fè yon ti reflechi sou sa! Chak ane, gen plis pase 300 000 moun ki batize antanke Temwen Jewova e ki vin disip Jezi Kris! w20.01 2 § 1; 3 § 5-6.

Madi 24 out

Li te sonje nou lè yo te imilye nou. — Sòm 136:23.

Ou jèn, doktè fè w konnen ou fè yon maladi ki grav anpil. Ou gran, men w pa ka jwenn travay. W ap pran laj, men ti kras pa tikras ou vin pa ka fè tout sa w te konn fè nan sèvis ou pou Jewova. Si w ap viv youn nan sitiyasyon nou sot pale de yo pi wo a, ou ka santi ou pa itil anyen ankò. Sitiyasyon sa yo ka fè w pèdi jwa w, yo ka fè w pèdi respè tèt ou, e yo ka gen efè sou relasyon w gen ak lòt moun. Monn sa a gen menm pwennvi ak Satan sou lavi moun. Satan te toujou trete lèzòm yon fason ki montre yo pa gen valè. Avèk mechanste, Satan te fè Èv konnen l ap vin lib si l dezobeyi Bondye, alòske li te byen konnen si yon moun dezobeyi Bondye sa ap mennen nan lanmò. Satan te toujou gen kontwòl sou monn sa a. Kidonk, nou pa sezi dèske dirijan nan monn nan pa gen respè pou lavi ak diyite moun. Yon lòt bò, Jewova vle nou konnen nou gen anpil valè, e li ede nou lè nou nan sitiyasyon ki ka fè n santi nou pa gen valè. — Wom. 12:3. w20.01 14 § 1-4.

Mèkredi 25 out

Ou pa dwe pwofetize nan non Jewova, si w pa sispann, n ap touye w. — Jer. 11:21.

Pandan omwen 40 an, Jeremi t ap viv nan mitan yon seri moun ki pa t fidèl, nan mitan yon seri vwazen e petèt menm kèk fanmi l ki te sot nan vil Anatòt kote l te moun nan (Jer. 12:6). Men, li pa t met kò l apa. Anfèt, li te konn fè Bawouk, sekretè l la ki te fidèl, konnen jan l santi l e nou menm tou nou vin konn jan l te santi l (Jer. 8:21; 9:1; 20:14-18; 45:1). Nou vin konprann tank Bawouk t ap ekri sa Jeremi t ap rakonte l yo, se tank yo de a te vin gen afeksyon ak respè youn pou lòt (Jer. 20:1, 2; 26:7-11). Pandan plizyè ane, Jeremi te met kran sou li pou l avèti Izrayelit yo konsènan sa k pral rive Jerizalèm (Jer. 25:3). Jewova te mande Jeremi pou l ekri avètisman Li te bay yo nan yon woulo pou l eseye wè ankò si pèp la ta repanti (Jer. 36:1-4). Pandan Jeremi ak Bawouk t ap fè travay sa a nan tèt ansanm, yon travay Bondye te ba yo fè sanble ki te dire plizyè mwa, sandout, yo te gen yon seri konvèsasyon ki te fè lafwa yo vin pi solid. w19.11 2-3 § 3-4.

Jedi 26 out

Nenpòt moun ki met tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo. — Mat. 23:12.

Ki jan nou dwe wè frè ak sè Bondye chwazi pou al nan syèl yo? Li pa t ap bon pou nou admire yon moun depase limit, menmsi li se yon moun Bondye chwazi antanke frè Kris (Mat. 23:8-11). Lè Bib la pale de ansyen yo, li ankouraje nou “imite lafwa yo”, men li pa mande nou pou n fè okenn moun vin gid nou (Ebre 13:7). Se vre, Bib la di gen moun ki merite “yon onè doub”. Men, se paske yo se moun “k ap byen dirije” e ki “travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an”, se pa paske yo se kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl (1 Tim. 5:17). Si nou fè twòp lwanj pou kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo e nou ba yo twòp atansyon, nou ka fè yo jennen. Sa ki pi mal la, nou kapab fè yo vin gen ògèy (Wom. 12:3). Pa gen youn nan nou ki ta renmen fè youn nan frè Kris yo fè yon gwo erè konsa! — Lik 17:2. w20.01 29 § 8.

Vandredi 27 out

Mete sou sa, gen yon bagay k ap trakase m, [...] se enkyetid mwen genyen pou tout kongregasyon yo. — 2 Kor. 11:28.

Apot Pòl te gen anpil rezon pou l santi l enkyè. Pwoblèm frè l ak sè l yo te genyen te ba l anpil tètchaje (2 Kor. 2:4). Opozan yo te bat li e yo te fè mete l nan prizon. Mete sou sa, li te gen yon seri pwoblèm ki te enkyete l, pa egzanp, li te konn “gen [yon] tikras pwovizyon”. (Flp. 4:12.) E lè n sonje nan moman l t ap ekri lèt sa a batiman te deja fè nofraj avè l omwen twa fwa, nou ka imajine jan l te enkyè lè l t ap vwayaje nan batiman (2 Kor. 11:23-27). Ki sa k te ede Pòl fè fas ak enkyetid li yo? Pòl te santi l enkyè pou frè l ak sè l yo lè yo te nan pwoblèm, men li pa t eseye rezoud tout pwoblèm yo poukont li. Pòl te konn limit li. Li te mande kèk lòt moun bay èd pa yo nan pran swen kongregasyon an. Moun yo ka fè konfyans tankou Timote ak Tit. Pa gen dout, bèl travay frè sa yo te fè te soulaje enkyetid Pòl te genyen yo. — Flp. 2:19, 20; Tit 1:1, 4, 5. w20.02 23 § 11-12.

Samdi 28 out

Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou. — Efe. 6:1.

Jewova vle nou obeyi l tou. Jewova merite pou nou obeyi l paske li se Kreyatè nou, se li ki ban nou sa nou bezwen pou nou viv, e li gen plis sajès pase tout papa ki genyen. Men, pi gwo rezon nou genyen pou nou obeyi Jewova se paske nou renmen l (1 Jan 5:3). Byenke gen anpil rezon ki fè nou dwe obeyi Jewova, li pa fòse nou fè sa. Jewova ban nou libète pou nou deside, se sa k fè li kontan lè nou chwazi obeyi l paske nou renmen l. Paran yo vle pou pitit yo an sekirite. Se sa k fè yo fikse prensip sou fason pou yo konpòte yo, e sa pwoteje pitit yo. Lè timoun yo obeyi prensip sa yo, yo montre yo fè paran yo konfyans e yo respekte yo. Donk, se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou konnen prensip Papa nou an ki nan syèl la ban nou e pou nou respekte yo. Lè nou fè sa, nou montre Jewova nou renmen l, nou respekte l, e se pou byen nou sa ye (Eza. 48:17, 18). Men, moun ki rejte Jewova e ki pa respekte prensip li yo ap tonbe nan pwoblèm. — Gal. 6:7, 8. w20.02 9-10 § 8-9.

Dimanch 29 out

Pèmèt sèvant ou an pale avè w e koute sa sèvant ou an ap di w. — 1 Sam. 25:24.

Menm jan ak Abigayil, nou bezwen gen kouraj pou nou pale si nou wè yon moun sou yon move pant (Sòm 141:5). Nou dwe demontre respè pou li, men nou dwe met kran sou nou pou n pale avè l. Lè nou bay yon moun konsèy li bezwen e nou fè sa avèk lanmou, nou montre nou se yon vrè zanmi (Pwo. 27:17). Ansyen yo sitou dwe gen kouraj pou yo pale ak moun nan kongregasyon an ki fè yon fo pa (Gal. 6:1). Avèk imilite, ansyen yo rekonèt yo enpafè tou e yo ka bezwen konsèy yon jou. Men, yo pa kite sa anpeche yo disipline moun ki bezwen disiplin (2 Tim. 4:2; Tit 1:9). Lè y ap bay yon moun konsèy, yo fè efò pou yo sèvi ak kapasite yo genyen pou yo pale a pou yo byen anseye moun nan e pou yo fè sa avèk pasyans. Yo renmen frè yo a, e lanmou sa a pouse yo aji (Pwo. 13:24). Men, sa k pi enpòtan pou yo se onore Jewova lè yo bay prensip li yo anpil valè e lè yo pwoteje kongregasyon an pou anyen mal pa rive l. — Tra. 20:28. w20.03 20 § 8-9.

Lendi 30 out

Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan. — Flp. 4:13.

Jewova te fè Moyiz delivre Izrayelit yo. Men, ki lè Jewova te sèvi ak Moyiz? Èske se lè Moyiz te santi l pare apre l te fin “jwenn fòmasyon nan men Ejipsyen yo nan tout domèn”? (Tra. 7:22-25.) Non, Jewova te sèvi ak Moyiz apre l te fin fòme l pou l fè l vin yon moun ki gen imilite e ki dou (Tra. 7:30, 34-36). Jewova te bay Moyiz kouraj pou l kanpe devan chèf ki gen plis pouvwa nan peyi Ejip la (Egz. 9:13-19). Sa montre Jewova sèvi ak moun ki chèche imite kalite l yo e ki konte sou li pou yo jwenn fòs. Depi nan tan lontan, Jewova te toujou itilize sèvitè l yo divès fason. Ki sa l ap fè w vin tounen? Sa pral depann anpil de fason w ap dispoze fè efò (Kol. 1:29). Si w mete w disponib, Jewova ka fè w vin tounen yon moun ki zele nan travay predikasyon an, yon anseyan ki efikas, yon bon konsolatè, yon moun ki konn travay byen oswa yon bon zanmi oubyen nenpòt lòt bagay li vle w tounen pou l akonpli volonte l. w19.10 21 § 5; 25 § 14.

Madi 31 out

Mwen rele nou zanmi. — Jan 15:15.

Bon zanmi nou yo ap ede nou rete fidèl ak Jewova. E pi bon fason pou nou fè bon zanmi se lè nou menm nou se yon bon zanmi (Mat. 7:12). Pa egzanp, Bib la ankouraje nou pou nou itilize tan nou ak fòs nou pou nou ede lòt moun, sitou moun ki “nan nesesite”. (Efe. 4:28.) Lè nou itilize tan nou ak fòs nou pou nou ede lòt moun, se sèten n ap gen kè kontan (Tra. 20:35). Zanmi nou yo ap soutni nou lè nou nan eprèv, e y ap ede nou kontinye kenbe lespri nou anpè. Menm jan Eliyou te koute Jòb lè Jòb t ap pale konsènan eprèv li yo, zanmi nou yo ka ede nou lè yo koute nou avèk pasyans pandan n ap fè yo konnen jan nou santi nou (Jòb 32:4). Nou pa dwe atann pou zanmi nou yo pran desizyon pou nou, men n ap montre nou saj si nou koute konsèy yo ban nou ki soti nan Bib la (Pwo. 15:22). E menm jan wa David te aksepte èd zanmi l yo avèk imilite, nou dwe gen imilite pou nou aksepte èd zanmi n yo ban nou lè nou nan bezwen (2 Sam. 17:27-29). Vrèmanvre, bon zanmi konsa se kado Jewova bay. — Jak 1:17. w19.04 11 § 12; 12 § 14-15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje