Septanm
Mèkredi 1ye septanm
Papa m kontinye travay jis kounye a, e mwen menm tou, mwen kontinye travay. — Jan 5:17.
Èske egzanp Jewova ak Jezi bay nan kesyon travay ta vle montre li pa nesesè pou nou pran repo? Non. Jewova pa janm fatige, se sa k fè li pa bezwen pran repo. Labib di, apre Jewova te fin kreye syèl la ak tè a, “li sispann travay pou l repoze l”. (Egz. 31:17.) Sa montre aklè Jewova te pran yon poz pou l ka pran plezi nan travay li fè a. E byenke Jezi te travay di pandan l t ap viv sou tè a, li te toujou pran tan pou l repoze e pou l manje ansanm ak zanmi l yo (Mat. 14:13; Lik 7:34). Labib ankouraje sèvitè Bondye yo pou yo travay. Sèvitè Bondye yo dwe travay di olye yo fè parès (Pwo. 15:19). Petèt ou travay pou w pran swen fanmi w. Tout disip Kris yo gen responsablite pou yo patisipe nan travay predikasyon bon nouvèl la. Men tou, ou bezwen pran bonjan repo. w19.12 2 § 2; 3 § 4-5.
Jedi 2 septanm
Kris [...] te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye. — 1 Pyè 2:21.
Pa rakonte istwa sou demon. Nan domèn sa a, nou dwe suiv egzanp Jezi. Anvan Jezi te vin sou tè a, li t ap viv nan syèl la e li te konn anpil bagay sou Satan ak demon yo. Men, li pa t konn rakonte istwa sou sa espri mechan sa yo te fè. Jezi te vle pou l se yon temwen Jewova, li pa t vle vin yon moun k ap fè piblisite pou Satan. Nou ka imite Jezi lè n pa plede rakonte istwa sou demon yo. Okontrè, nou dwe montre nan pawòl nou “gen yon bon bagay ki touche kè [nou] anpil”, anpalan de laverite (Sòm 45:1). Pinga w pè espri ki mechan yo. Nan monn enpafè sa a, move bagay ka rive nou. Aksidan, maladi, oswa menm lanmò ka rive sanzatann. Men, nou pa dwe panse se espri envizib yo ki lakòz sa. Labib fè konnen “move moman ak malè [ka] rive sou [nenpòt moun] sanzatann”. (Ekl. 9:11.) Kanta pou demon yo, Jewova montre li gen plis pisans lontan pase yo. w19.04 23-24 § 13-14.
Vandredi 3 septanm
Otorite ki egziste yo, se Bondye ki etabli yo nan pozisyon yo ye a youn parapò ak lòt. — Wom. 13:1.
Èske ansyen yo soumèt anba lwa ki gen nan peyi yo ki mande pou yo fè otorite Leta yo konnen lè yon moun fè abi seksyèl sou timoun? Wi. Nan peyi kote gen lwa sa yo, ansyen yo fè tout sa yo kapab pou yo soumèt anba lwa ki gen nan peyi a ki mande pou yo fè konnen lè yon moun fè abi seksyèl sou timoun. Lwa sa yo pa an kontradiksyon ak lwa Bondye a (Tra. 5:28, 29). Se sa k fè, lè ansyen yo aprann yon bagay konsa, san pèdi tan, yo chèche pran kontak ak biwo filyal la pou yo chèche konnen fason yo ka obeyi sa lalwa mande. Ansyen yo fè moun ki viktim yo ansanm ak paran yo ak lòt moun ki konn sa k te pase a konnen si yo vle yo kapab al pot otorite Leta yo plent pou abi seksyèl ki te fèt la. E si se pou yon moun ki fè pati kongregasyon an y al pot plent lan e apre sa moun nan zòn nan vin konn sa k te pase a? Èske kretyen ki t al pot plent lan dwe santi se li ki lakòz yo sal non Bondye? Non. Se moun ki fè abi seksyèl la ki sal non Bondye. w19.05 10 § 13-14.
Samdi 4 septanm
Sajès monn sa a se bagay moun sòt li ye devan Bondye. — 1 Kor. 3:19.
Bib la mande mari ak madanm pou youn onore lòt e pou yo respekte ve yo te fè lè yo t ap marye a. Li ankouraje moun ki marye yo pou yo gen gwo respè pou angajman yo te pran lè yo t ap marye a. Men sa l di: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e y ap vin yon sèl chè.” (Jen. 2:24). Yon lòt bò, moun ki kite sajès monn nan enfliyanse yo ap ankouraje moun yo pou yo wè bagay yo yon lòt jan. Yo fè konprann moun ki marye yo dwe wè tèt yo sèlman. Gen yon liv sou divòs ki fè konnen, “nan kèk seremoni maryaj, yo ranplase ve moun k ap marye yo abitye fè ki di ‘toutotan nou toule de ap viv ansanm’ nan ak yon pwomès ki pi senp, kote yo di ‘toutotan youn renmen lòt’”. Fason vag sa a moun yo konsidere maryaj fè vin gen yon pakèt fanmi ki kraze e sa lakòz yon pil ak yon pakèt pwoblèm nan domèn afektif. Pa gen dout, fason monn nan trete maryaj san respè se bagay moun sòt. w19.05 23 § 12.
Dimanch 5 septanm
Sispann konfòme nou ak sistèm sa a. — Wom. 12:2.
Pòl te enkyè paske sanble kèk kretyen te konn kite move rezònman oswa filozofi ki gen nan monn Satan an gen enfliyans sou yo (Efe. 4:17-19). Sa ka rive nenpòt nan nou. Satan, dye sistèm sa a, sèvi ak divès taktik pou l eseye fè nou vire do bay Jewova. Si nou gen tandans pou nou vle parèt enpòtan oubyen pou moun konnen nou, l ap sèvi ak sa pou l eseye fè nou vire do bay Jewova. Li gendwa menm sèvi ak bagay nou aprann nan men moun lakay nou, nan lekòl nou ak nan men moun ki bò kote nou pou l fè nou panse menm jan avè l. Èske l posib pou nou derasinen yon seri bagay ki “byen anrasinen” nan panse nou (2 Kor. 10:4)? Gade ki sa Pòl di sou sa: “N ap ranvèse rezònman ak tout obstak ki kanpe kont konesans Bondye, e n ap mete nenpòt ki lide sou kontwòl, pou nou fè l obeyi Kris.” (2 Kor. 10:5). Wi, grasa èd Jewova, nou ka rive gen kontwòl sou move rezònman yo. w19.06 8 § 1-3.
Lendi 6 septanm
Kanta pou mwen, pwoche bò kote Bondye bon pou mwen. Mwen fè Jewova, Seyè ki Souvren an, tounen refij mwen. — Sòm 73:28.
Byenke ni Ana, ni David ni moun ki te ekri youn nan sòm yo te anba gwo strès, yo toule twa te konte sou Jewova pou l ede yo. Yo te ouvri kè yo ba li nan lapriyè pou yo di l sa k t ap trakase yo. Yo pa t pè di l rezon ki fè yo te anba strès. E yo te kontinye ale kote yo te konn al adore Jewova a (1 Sam. 1:9, 10; Sòm 55:22; 73:17; 122:1). Jewova te reponn yo chak avèk konpasyon. Lespri Ana te vin anpè (1 Sam. 1:18). Men sa David li menm te ekri: “Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm, men, Jewova delivre l anba yo tout.” (Sòm 34:19). E moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te vin santi Jewova te “kenbe men dwat” li, li te ba l bon konsèy pou gide l (Sòm 73:23, 24). Ki sa nou aprann nan egzanp sa yo? Pafwa, n ap gen yon seri pwoblèm ki soti pou kraze nou e ki lakòz nou gen strès. Men, nou ka fè fas ak yo si nou medite sou fason Jewova ede lòt moun, si nou priye l epi n konte sou li, e si nou obeyi l lè n fè sa l mande nou fè. — Sòm 143:1, 4-8. w19.06 17 § 14-15.
Madi 7 septanm
Menmsi n ap soufri pou sa ki jis, nou mèt kontan. — 1 Pyè 3:14.
Pa janm kite anyen fè w wont dèske w se Temwen Jewova, kèlkeswa sa moun di oswa sa yo fè (Miche 4:5). Egzamine sa apot yo ki te nan Jerizalèm te fè yon ti tan apre lanmò Jezi. Yo te konnen jan chèf relijye juif yo te rayi yo (Tra. 5:17, 18, 27, 28). Malgre sa, yo te kontinye al nan tanp lan chak jou e moun te ka wè yo se disip Jezi paske yo t ap preche (Tra. 5:42). Yo pa t kite laperèz fè yo fè bak. Nou menm tou, nou kapab rive konbat laperèz nou genyen lè nou fè moun konnen nou se Temwen Jewova kit se nan travay nou, kit se nan lekòl nou oswa bò lakay nou (Tra. 4:29; Wom. 1:16). Sa k fè apot yo te kontan? Yo te konnen rezon ki fè yo te rayi yo, e se te yon onè pou yo lefètke yo te konn maltrete yo paske yo t ap fè volonte Jewova (Lik 6:23; Tra. 5:41; 1 Pyè 2:19-21). Lè nou konprann rezon ki fè yo rayi nou se paske n ap fè sa ki dwat, nou pap janm sispann sèvi Jewova poutèt gen moun ki rayi nou. w19.07 7 § 19-20.
Mèkredi 8 septanm
Moun gen dwa fè yon bon aksyon jou saba a. — Mat. 12:12.
Jezi ak disip juif li yo te konn obsève saba paske yo te anba Lalwa Moyiz la. Men, nan pawòl Jezi ak nan aksyon l, li te montre moun k ap obsève saba yo te dwe rezonab, yo te kapab fè bon aksyon e yo te ka ede lòt moun (Mat. 12:9-11). Pou li menm, se pa t yon bagay ki mal lè moun te fè yon bon aksyon oswa lè yo te ede lòt moun nan jou saba a. Fason Jezi te aji te met aksan sou yon aspè enpòtan nan jou saba a. Piske pèp Bondye a pa t travay jou sa a, sa te pèmèt yo konsantre sou adorasyon y ap bay Bondye. Jezi te grandi nan yon fanmi ki te konn rezève jou saba a pou yo adore Bondye. Sa parèt klè nan pawòl nou li konsènan Jezi lè l te Nazarèt, vil kote l te grandi a: “[Jezi te] antre nan sinagòg la e li kanpe pou l li, jan li abitye fè sa jou saba yo.” (Lik 4:15-19). Epitou, disip Jezi yo te tèlman gen gwo respè pou lwa Bondye te bay sou saba a, yo te kanpe sou preparasyon yo t ap fè pou antèman Jezi jiskaske jou saba a te fini. — Lik 23:55, 56. w19.12 4 § 10.
Jedi 9 septanm
Nou t ap viv [...] san esperans. — Efe. 2:12.
Tout kretyen yo patisipe nan chèche moun ki sensè. Nou ka konpare travay sa a ak lè y ap chèche yon timoun ki pèdi. Nan ki sans? Ann pran egzanp yon tigason twazan ki te pèdi. Te gen anviwon 500 moun ki t ap chèche l. Finalman, anviwon 20 èdtan apre, gen youn nan moun yo ki jwenn li nan yon jaden mayi. Moun sa a pa t vle yo di se li ki jwenn timoun nan. Li te di: “Se plizyè santèn moun ki te met tèt yo ansanm pou yo chèche l.” Anpil moun sanble ak timoun sa a. Yo santi yo pèdi, yo pa gen okenn espwa, men yo bezwen moun ede yo. Plis pase uit milyon Temwen ap eseye chèche moun sa yo ki byen dispoze. Ou ka pa jwenn yon moun pou w etidye Labib avè l. Men, gen lòt pwoklamatè k ap travay nan menm tèritwa a ki jwenn moun ki vle aprann verite ki nan Pawòl Bondye a. Lè yon frè oswa yon sè jwenn yon moun ki vin yon disip Kris, tout moun ki te patisipe nan chèche moun sa a gen bonjan rezon pou yo kontan. w19.07 16-17 § 9-10.
Vandredi 10 septanm
M ap kouri pou m ka jwenn rekonpans lan. — Flp. 3:14.
Apot Pòl te fè kretyen nan vil Filip yo sonje nesesite pou yo kontinye kouri avèk andirans. Kongregasyon an t ap fè fas ak pwoblèm depi nan kòmansman. Tout bagay te kòmanse lè Pòl ak Silas te rive nan vil Filip ozanviwon ane 50 epòk nou an, lè yo te obeyi envitasyon Bondye te ba yo pou yo “vin Masedwàn” nan (Tra. 16:9). Lè yo te rive, yo te jwenn yon dam ki rele Lidi “ki t ap koute. [...] Jewova te ouvri kè l byen laj pou l koute” bon nouvèl la (Tra. 16:14). San pèdi tan, li te batize ansanm ak moun lakay li. Men, Dyab la te kòmanse ba yo pwoblèm tousuit. Gen yon seri mesye nan vil la ki te trennen Pòl ak Silas devan chèf nan vil la e yo te lage fo akizasyon sou do yo kòmkwa yo t ap simen latwoublay. Se sa k fè yo te bat Pòl ak Silas, yo te mete yo nan prizon e annapre yo te fè yo kite vil la (Tra. 16:16-40). Èske yo te kite sa? Jamè! Ki sa frè ak sè ki te nan nouvo kongregasyon yo te fòme a te fè? Yo te bay bèl egzanp paske yo te andire tou. Pa gen dout, bèl egzanp Pòl ak Silas te bay la te ankouraje yo anpil. w19.08 2 § 1-2.
Samdi 11 septanm
[Se pou n] plen ak fwi jistis. — Flp. 1:11.
Pa gen dout nan sa, n ap demontre “fwi jistis” sa a lè n gen lanmou pou Jewova ak pèp li a, epitou lè n pale ak lòt moun sou lafwa nou nan Jezi Kris e sou bèl esperans nou an. Nou pwodui “fwi jistis” la lè nou fè tout sa nou kapab nan travay fè disip la ki enpòtan anpil (Mat. 28:18-20). Nan kèlkeswa sitiyasyon an, nou ka klere tankou flanbo. Pafwa, yon bagay ki ka sanble anpeche nou preche bon nouvèl la ka tounen yon bèl okazyon pou nou preche. Pa egzanp, apot Pòl te prizonye anndan lakay li nan vil Wòm lè l te ekri kretyen nan vil Filip yo. Men, menm lè l te nan prizon, li pa t sispann preche moun ki t ap veye l yo ak moun ki te vin wè l yo. Pòl te fè tout sa l kapab pou l preche pandan l te nan sitiyasyon sa a, e sa te bay frè yo asirans ak kouraj “pou yo pale pawòl Bondye a san yo pa pè”. — Flp. 1:12-14; 4:22. w19.08 12 § 15-16.
Dimanch 12 septanm
Se pou nou soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan, yon fason pou l ka leve nou met byen wo lè moman an rive. — 1 Pyè 5:6.
Pi gwo rezon nou genyen pou n chèche gen imilite se paske sa fè Jewova kontan. Apot Pyè te pale de sa byen klè lè l te ekri pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Men kòmantè liv “Vin suiv mwen” an fè sou pawòl Pyè te di yo nan chapit 3 paragraf 23: “Ògèy tankou pwazon. Li ka lakòz gwo ravaj. Se yon defo ki ka fè moun ki gen plis kapasite a vin initil pou Bondye. Yon lòt bò, imilite ka fè menm moun ki pi piti a vin trè itil pou Jewova. [...] Bondye nou an ap kontan rekonpanse nou pou imilite nou demontre.” Franchman, ki pi bon bagay nou ta ka fè pase fè kè Jewova kontan (Pwo. 23:15)? Lè nou chèche gen imilite, nonsèlman sa fè kè Jewova kontan, men tou, sa fè nou jwenn anpil byenfè. Lè nou gen imilite, sa atire lòt moun. Sa k fè sa? Ebyen, fè yon ti reflechi ak ki kalite moun ou renmen gen bò kote w. — Mat. 7:12. w19.09 4 § 8-9.
Lendi 13 septanm
Moun ki gen ògèy nan kè yo bay Jewova degoutans. — Pwo. 16:5.
Ansyen yo travay di nan enterè frè ak sè yo. E yo pa kite otorite yo genyen an fè yo santi yo pi bon pase lòt moun. Okontrè, yo aji avèk tandrès ak kongregasyon an (1 Tes. 2:7, 8). Lanmou pwofon yo genyen ak imilite yo demontre gen efè sou fason yo pale ak lòt moun. Gen yon ansyen ki gen anpil eksperyans ki rele Andre ki di: “Jeneralman, mwen remake frè ak sè yo byen reyaji lè yon ansyen janti e li amikal. Kalite sa yo fè moun nan kongregasyon an kowopere ak ansyen yo.” Gen yon lòt frè ki gen lontan depi l ansyen ki rele Tony ki di: “Mwen eseye aplike konsèy ki nan Filipyen 2:3 a e mwen toujou ap fè efò pou m konsidere lòt moun yo siperyè m. Sa ede m evite aji tankou yon diktatè.” Ansyen yo dwe gen imilite menm jan ak Jewova. Byenke Jewova se Souvren linivè a, li “bese” pou l “leve malere a nan pousyè”. (Sòm 18:35; 113:6, 7.) Anfèt, Jewova pa vle wè moun ki gen ògèy e ki awogan. w19.09 16-17 § 11-12.
Madi 14 septanm
Pran jouk mwen an met sou zepòl nou. — Mat. 11:29.
Pou nou jwenn fòs anba jouk Jezi a nou dwe kontinye gen yon bon pwennvi. N ap fè travay Jewova, se sa k fè nou dwe fè l fason Jewova vle nou fè l. Nou se travayè e Jewova se Mèt travay la (Lik 17:10). Si nou eseye fè travay li ban n fè a fason pa nou, se kòmsi n ap eseye soti anba jouk la. Yon lòt bò, si nou fè bagay yo jan Jewova vle a, nou ka fè yon seri bagay nou pa t ap janm panse e nou ka venk nenpòt ki pwoblèm. Se pou nou sonje pèsonn pa ka anpeche volonte Bondye fèt (Wom. 8:31; 1 Jan 4:4). Objektif nou se fè Jewova, Papa nou an ki renmen nou, jwenn glwa. Moun nan premye syèk la ki te ava oubyen ki te egoyis pa t pran tan pou yo vin tris e pou yo te soti anba jouk Jezi a (Jan 6:25-27, 51, 60, 66; Flp. 3:18, 19). Yon lòt bò, moun ki te renmen Bondye san se pa t tèt yo yo te wè e ki te renmen pwochen yo te kontan kontinye ret anba jouk la pandan tout vi yo sou tè a ak espwa yo pral sèvi ansanm ak Kris nan syèl la. Menm jan ak yo, n ap toujou kontan ret anba jouk Jezi a ak bon entansyon. w19.09 20 § 1; 24-25 § 19-20.
Mèkredi 15 septanm
N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou. — Jan 8:32.
Fè yon ti reflechi ak benediksyon w jwenn lefètke w libere anba yon seri kwayans ou te gen depi lontan ki pa baze sou Bib la. Se pa ti kontan n kontan gen libète sa a! Ou ka gen espwa ou pral jwenn plis libète. Talè konsa, Jezi pral aji yon fason ki fèm pou l elimine fo relijyon ak gouvènman lèzòm yo ki kòwonpi. Bondye pral pwoteje “yon gwo foul moun” k ap sèvi l e annapre l ap pèmèt yo jwenn benediksyon sou tè a k ap vin yon paradi (Rev. 7:9, 14). Yon pakèt moun pral resisite e y ap gen posiblite pou yo libere anba tout konsekans peche Adan an (Tra. 24:15). Pandan Rèy mil an an, Jezi ansanm ak moun ki pral dirije ansanm avè l yo pral ede limanite vin pafè ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl. Moman reparasyon ak liberasyon sa a ap sanble ak ane Liberasyon ki te gen ann Izrayèl la. Konsa, tout moun sou tè a k ap sèvi Jewova fidèlman pral vin pafè, y ap libere anba peche. w19.12 12-13 § 14-16.
Jedi 16 septanm
Banabas vin ede l. — Tra. 9:27.
Nan premye syèk epòk nou an, gen yon mesye ki donan ki te rele Jozèf (yo te ba l non Banabas) ki te dispoze kite Jewova sèvi avè l (Tra. 4:36, 37). Apre Sòl te vin yon kwayan, anpil nan frè yo te pè pwoche kote l paske yo te konnen l kòm moun ki te konn pèsekite kongregasyon yo. Men, Banabas ki te gen bon kè te ede Sòl (Tra. 9:21, 26-28). Annapre, ansyen nan Jerizalèm yo te wè li nesesè pou yo ankouraje frè ki t ap viv Antyòch ki nan Siri a ki te byen lwen. Ki moun yo te voye? Banabas! E yo te byen chwazi. Nou te aprann Banabas te “kòmanse ankouraje yo tout pou yo rete nan sèvis Seyè a ak tout kè yo”. (Tra. 11:22-24.) Menm jan an tou jodi a, Jewova kapab ede nou tounen yon “pitit konsolasyon” pou kretyen parèy nou. Pa egzanp, li ka sèvi avè nou pou konsole moun ki gen moun pa yo ki mouri. Oubyen, li ka pouse nou al vizite oswa telefone yon moun ki malad oswa ki dekouraje yon fason pou nou di l kèk pawòl ankourajan. Èske w ap kite Jewova sèvi avè w menm jan li te sèvi ak Banabas? — 1 Tes. 5:14. w19.10 22 § 8.
Vandredi 17 septanm
Moun ki padone peche lòt moun ap chèche lanmou, men, moun ki pa sispann repete yon bagay ki te pase ap met bon zanmi dozado. — Pwo. 17:9.
Pafwa, lè nou travay pwòch ak zanmi nou, nonsèlman nou vin konn kalite yo, men nou vin konn defo yo tou. Ki sa k ka ede nou pou n byen jere sitiyasyon an? An reyalite, nou pa ka atann pou frè n ak sè n yo pafè. Donk, yonfwa nou fin gen bon zanmi, nou bezwen fè gwo efò pou amitye a dire. Si zanmi nou fè yon erè, nou ka bezwen ba yo konsèy ki baze sou Pawòl Bondye a avèk bonte, men avèk franchiz (Sòm 141:5). E si yo fè nou yon bagay ki fè nou mal, nou bezwen padone yo. Yonfwa nou padone yo, nou dwe fè efò pou nou pa retounen sou sa ankò. Pandan tan difisil sa yo, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou konsantre sou kalite frè n ak sè n yo olye n konsantre sou defo yo! Lè nou fè sa, sa fè amitye nou vin pi solid. Epitou, n ap bezwen gen bon zanmi pandan gwo tribilasyon an. w19.11 6 § 13, 16.
Samdi 18 septanm
Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. — Mat. 28:19, 20.
Pandan n ap kondui etid biblik, nou eseye fè tout sa nou kapab pou n “fè disip [e pou n] anseye yo pou yo obeyi tout bagay [Jezi] te ban nou lòd pou nou fè yo”. Nou bezwen ede moun yo konprann ki jan li enpòtan pou yo pran pozisyon pou Jewova e pou Wayòm li an. Sa vle di pou nou fè efò pou n ede moun yo pran laverite oserye lè yo aplike sa yo aprann, lè yo vwe Jewova lavi yo e lè yo batize. Se sèlman lè sa a y ap ka chape nan jou Jewova a (1 Pyè 3:21). Pa ret anpil tan ditou pou sistèm sa a fini. Se poutèt sa nou pa dwe pèdi tan ap kontinye etidye ak moun ki pa montre aklè yo gen entansyon vin disip Kris (1 Kor. 9:26). Nou dwe fè travay la san pèdi tan! Gen anpil moun ki bezwen tande mesaj Wayòm nan anvan l twò ta. w19.10 11-12 § 14-15.
Dimanch 19 septanm
L ap met lansan an sou dife a devan Jewova. — Lev. 16:13.
Chak ane, nan jou Pirifikasyon an, nasyon Izrayèl la te konn rasanble e yo te konn ofri sakrifis bèt. Sakrifis sa yo te ede Izrayelit yo sonje yo bezwen jwenn padon pou peche yo fè! Men, travay gran prèt la te dwe fè anvan se vide lansan sakre a tou dousman sou chabon dife a, epi ranpli espas la ak yon bon sant. Ki sa nou ka aprann nan sa ? Labib montre priyè sèvitè fidèl Jewova yo fè ki akseptab yo tankou lansan (Sòm 141:2; Rev. 5:8). Se avèk anpil respè gran prèt la te konn pote lansan devan Jewova. Menm jan an tou, lè n ap priye Jewova, nou fè sa ak anpil respè. Nou vrèman gen rekonesans dèske Kreyatè nou an pèmèt nou pwoche bò kote l, menm jan yon timoun pwoche bò kote papa l (Jak 4:8). Li aksepte nou kòm zanmi l (Sòm 25:14)! Nou tèlman apresye privilèj sa a, nou pa ta renmen janm fè anyen k ap fè Jewova fache. w19.11 20-21 § 3-5.
Lendi 20 septanm
Ala anpil sa w fè yo anpil, o Jewova! Ou fè tout sa w fè yo avèk sajès. Tè a chaje ak sa w fè. — Sòm 104:24.
Ki jan pifò moun kote w ap viv la konsidere travay? Nan anpil peyi, moun yo travay pi di e yo pase plis tan nan travay yo pase kèlkeswa epòk la. Byen souvan, moun ki travay twòp yo pa gen tan pou yo pran repo, pou yo pase tan ak fanmi yo oswa pou yo kontinye aprann konnen Bondye (Ekl. 2:23). Yon lòt bò, gen moun ki pa renmen travay ditou e yo chèche pretèks pou yo pa travay (Pwo. 26:13, 14). Kontrèman ak fason moun nan monn nan konsidere travay, ann egzamine fason Jewova ak Jezi konsidere travay. Nou konnen Jewova renmen travay. Jezi te montre sa byen klè lè l te di: “Papa m kontinye travay jis kounye a, e mwen menm tou, mwen kontinye travay.” (Jan 5:17). Reflechi ak tout kantite travay Bondye te fè lè l t ap kreye pakèt espri yo ak linivè a ki gwo anpil. Mete sou sa, nou wè yon pakèt bèl bagay Bondye kreye sou bèl tè kote n ap viv la. w19.12 2 § 1-2.
Madi 21 septanm
Mwen jwenn David, [...] yon moun ki fè m plezi. — Tra. 13:22.
Ki jan David te fè vin pwòch ak Jewova konsa? David te aprann konnen Jewova grasa kreyasyon an. Lè David te jèn, li te pase anpil tan deyò ap pran swen mouton papa l yo. Petèt se te lè sa a li te kòmanse medite sou bagay Jewova fè yo. Pa egzanp, pandan David te leve je l gade syèl la nan nuit, li pa t annik wè yon pakèt zetwal, men, li te wè tou kalite ki gen lakay Sila a ki te fè yo a (Sòm 19:1, 2). Lè David t ap reflechi sou fason lèzòm fèt, li te wè jan Jewova gen anpil sajès (Sòm 139:14). Pandan David t ap eseye konprann travay Jewova fè yo, li te santi l toupiti devan Jewova (Sòm 139:6). Ki leson nou aprann? Chak jou, medite sou sa kreyasyon an, anpalan de plant yo, bèt yo ak moun, aprann nou sou Jewova. Konsa, chak jou nou leve, n ap gen anpil bagay pou n aprann sou Papa nou an ki chaje lanmou (Wom. 1:20). E chak jou, w ap wè jan w ap vin pi renmen l. w19.12 19-20 § 15-17.
Mèkredi 22 septanm
Grasa lafwa Moyiz te genyen, li te refize yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an lè l te vin gran. — Ebre 11:24.
Moyiz te aji ann amoni ak sa l te aprann yo. Lè Moyiz te gen anviwon 40 an, li te chwazi fè pati pèp Bondye a, anpalan de Ebre yo, olye pou yo te konnen l kòm “pitit gason pitit fi Farawon an”. Moyiz te abandone yon gwo pozisyon. Lè l te pran pozisyon pou Ebre yo ki te esklav ann Ejip, li te konnen Farawon, ki te yon dirijan ki gen anpil pouvwa moun te konsidere kòm yon dye, t ap fache anpil. Aksyon sa a li te fè a te montre li gen anpil lafwa! Moyiz te met konfyans li nan Jewova. Konfyans sa a li te genyen an se te yon baz solid pou l gen yon bon relasyon ak Jewova pandan tout vi l (Pwo. 3:5). Ki leson nou aprann? Menm jan ak Moyiz, nou tout gen yon desizyon pou n pran: Èske n ap chwazi sèvi Bondye epi fè pati pèp li a? Nou ka oblije fè sakrifis pou n sèvi Bondye, e gen moun ki pa renmen Jewova ki ka opoze ak nou. Men, si nou met konfyans nou nan Papa nou ki nan syèl la, se sèten l ap ede nou! w19.12 17 § 5-6.
Jedi 23 septanm
Jewova Dye te vin fè lòm ak pousyè ki sot nan tè a e li te vin soufle souf lavi a nan twou nen l. — Jen. 2:7.
Byenke nou fèt ak pousyè ki sot nan tè a, nou gen plis valè lontan pase yon ponyen tè. Ann jis konsidere kèk nan rezon ki fè nou konnen nou gen valè nan je Jewova. Li te kreye lèzòm ak kapasite pou yo reflete kalite l genyen yo (Jen. 1:27). Lefètke li fè n konsa, li ban nou plis enpòtans pase tout lòt bagay li kreye sou tè a, e l mete nou responsab tè a ak bèt yo (Sòm 8:4-8). Menm apre Adan fin peche, Jewova kontinye bay lèzòm valè. Li tèlman ban nou valè sa te pouse l bay Jezi, Pitit Gason li renmen anpil la, kòm yon ranson pou peche nou (1 Jan 4:9, 10). Grasa ranson an, Jewova pral resisite moun ki mouri akoz peche Adan an, “ni [...] moun ki jis, ni [...] moun ki enjis”. (Tra. 24:15.) Pawòl Jewova a montre nou gen anpil valè nan je l kèlkeswa eta sante nou, sitiyasyon ekonomik nou, oswa laj nou. — Tra. 10:34, 35. w20.01 15 § 5-6.
Vandredi 24 septanm
Okipe pwòp zafè nou. — 1 Tes. 4:11.
Esperans pou moun al nan syèl la se pa yon eritaj yon moun ka jwenn nan men fanmi l. Se Bondye ki bay esperans sa a (1 Tes. 2:12). Donk, nou pa dwe poze kesyon ki ka fè moun lapenn. Pa egzanp, nou pa ta dwe mande madanm yon frè ki gen esperans pou l al nan syèl ki jan l santi l lè l konnen li pral viv pou toutan sou tè a san mari l. Dayè, nou ka gen asirans, nan monn nouvo a, Jewova pral “bay tout sa k vivan sa yo bezwen”. (Sòm 145:16.) Lè nou pa trete moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo yon fason ki montre yo pi enpòtan pase lòt moun, nou pwoteje tèt nou. Ki jan? Bib la fè nou konnen gen kèk moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki ka pa ret fidèl (Mat. 25:10-12; 2 Pyè 2:20, 21). Men, si nou evite “flate moun”, nou pap janm suiv lòt moun, menm kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl, oubyen kretyen anpil moun konnen oswa ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova (Jid 16). Konsa, si sa ta rive yo pa ret fidèl oubyen yo kite kongregasyon an, nou pap pèdi lafwa nou gen nan Jewova, ni nou pap sispann sèvi l. w20.01 29 § 9-10.
Samdi 25 septanm
Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen. — Efe. 5:1.
Antanke “pitit [Jewova] renmen”, nou fè tout sa nou kapab pou nou imite l. Nou imite kalite l yo lè nou gen lanmou, lè nou gen bonte ak lè nou padone lòt moun. Lè moun ki pa konn Bondye yo wè bèl konduit nou genyen, sa ka fè yo anvi aprann konn plis bagay sou li (1 Pyè 2:12). Paran ki kretyen yo gen bonjan rezon pou yo imite Jewova nan fason yo aji ak pitit yo. Lè yo fè sa, pitit yo ka vin anvi zanmi Papa nou an ki plen lanmou. Nou fyè de Jewova, Papa nou ki nan syèl la, e nou vle lòt moun vin konnen l. Nan kè nou, nou santi nou menm jan ak wa David ki te ekri: “Se nan Jewova m ap vante tèt mwen.” (Sòm 34:2). Men, e si nou timid? Ki jan nou ka vin gen kran? Nou ka vin gen kran lè nou reflechi sou jan sa ka fè kè Jewova kontan ak jan sa ap ede lòt moun jwenn byenfè lè yo aprann konnen l. Jewova ap ban nou kouraj nou bezwen an. Li te ede frè yo nan premye syèk la pou yo vin gen kran, e l ap ede nou tou. — 1 Tes. 2:2. w20.02 11 § 12-13.
Dimanch 26 septanm
Kidonk, ale, epi fè disip [...]. Batize yo. — Mat. 28:19.
Anpil etidyan Labib fè pwogrè jiskaske yo batize. Men, gen lòt ki sanble yon jan renka pou yo vin disip. Yo renmen etid la, men yo pa fè pwogrè pou yo rive batize. Si w ap etidye Labib ak yon moun, nou sèten ou ta renmen ede l aplike sa l aprann yo pou l vin yon disip Kris. Jewova vle moun sèvi l paske yo renmen l. Objektif nou se ede etidyan nou yo konprann Jewova enterese anpil nan yo chak e li renmen yo anpil. Nou vle ede yo konsidere Jewova kòm “papa timoun ki pa gen papa yo e [kòm Sila a] ki pwoteje vèv yo”. (Sòm 68:5.) Tank etidyan w yo kòmanse santi Bondye renmen yo, se tank sa ap touche kè yo e yo menm tou y ap vin renmen Bondye. Ede etidyan nou yo konprann Bondye nou an ki renmen nou vle yo gen lavi ki pap janm fini an, e li dispoze ede yo genyen l. w20.01 3 § 7-8.
Lendi 27 septanm
Lè m tande lanmou w genyen, sa ban m anpil kè kontan ak anpil konsolasyon. — Flm. 7.
Apot Pòl te gen imilite, se sa k fè li te chèche ankourajman nan men zanmi l yo, e li te jwenn ankourajman sa a. Li pa t pè pou yo wè l kòm yon moun ki fèb lefètke l te kite zanmi l yo ankouraje l nan moman difisil (Kol. 4:7-11). Avèk imilite, lè nou rekonèt nou bezwen ankourajman, frè n ak sè n yo ap byen kontan ban nou èd nou bezwen an. Pòl te konnen Ekriti yo t ap konsole l (Wom. 15:4). Mete sou sa, yo t ap ba l sajès pou l fè fas ak nenpòt eprèv (2 Tim. 3:15, 16). Lè Pòl te nan prizon nan vil Wòm yon dezyèm fwa, li te santi li pa t lwen mouri. Li te mande Timote pou l vin kote l tousuit avèk “woulo yo”. (2 Tim. 4:6, 7, 9, 13.) Poukisa? Paske sanble woulo sa yo se te pòsyon Ekriti ann Ebre yo, e Pòl te ka sèvi avèk yo pou l fè etid pèsonèl li nan Pawòl Bondye a. Lè nou etidye Pawòl Bondye a regilyèman menm jan ak Pòl, Jewova ap itilize Ekriti yo pou l soulaje nou, kèlkeswa eprèv nou rankontre. w20.02 23-24 § 14-15.
Madi 28 septanm
Sispann jije pou yo pa jije nou. — Mat. 7:1.
Elifaz, Bildad ak Sofa pa t sèvi ak tan yo pou yo reflechi sou fason yo ka ede Jòb. Okontrè, yo t ap reflechi sou fason yo ka pwouve Jòb te fè yon bagay ki mal. Kèk nan sa yo te di yo te bon, men pifò nan sa yo te di sou Jòb yo ak sa yo te di konsènan Jewova yo se te mechanste e se te manti. Yo te fè Jòb konprann li se yon move moun (Jòb 32:1-3). Ki jan Jewova te reyaji? Li te fache anpil kont twa mesye sa yo. Li te fè yo konnen yo se moun sòt e l te fè yo mande Jòb pou l priye pou yo (Jòb 42:7-9). Nou aprann anpil leson nan move egzanp Elifaz, Bildad ak Sofa te bay la. Premyèman, nou pa dwe jije frè nou (Mat. 7:2-5). Okontrè, nou dwe pran san nou pou n koute yo anvan nou pale. Se sèl fason sa a n ap ka konprann sitiyasyon yo (1 Pyè 3:8). Dezyèmman, lè nou dwe pale, nou dwe veye pou nou fè sa avèk jantiyès e pou nou di pawòl ki egzak (Efe. 4:25). E twazyèmman, pawòl youn ap di lòt enterese Jewova anpil. w20.03 22-23 § 15-16.
Mèkredi 29 septanm
Kontinye priye nan tout okazyon. — Efe. 6:18.
Byen souvan, se lè n ap aprann lòt moun konn Jewova nou vin pi byen konnen l. Pa egzanp, nou wè prèv klè ki montre Jewova gen konpasyon lè li ede nou jwenn moun ki gen kè yo byen dispoze (Jan 6:44; Tra. 13:48). Nou wè jan Pawòl Bondye a gen pisans lè nou wè moun n ap etidye Labib avèk yo kite yon seri vye abitid yo te genyen epi yo kòmanse abiye ak nouvo pèsonalite a (Kol. 3:9, 10). E nou wè prèv ki montre Bondye gen pasyans lefètke l bay anpil moun nan tèritwa n ap preche a anpil okazyon pou yo aprann konnen l e pou yo sove (Wom. 10:13-15). Men, kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou dwe toujou bay relasyon nou gen avè l anpil valè. Youn nan pi bon fason nou ka montre nou bay amitye nou gen ak Bondye a valè se lè nou priye l. Si w vle bon zanmi yon moun, ou dwe pale avè l souvan. Kidonk, pou w vin pwòch ak Bondye, ou dwe priye l souvan, ou pa dwe janm pè di l sa k nan panse w. w19.12 19 § 11, 13-14.
Jedi 30 septanm
Peche nou yo jwenn padon. — 1 Jan 2:12.
Se pa ti soulaje panse sa a soulaje nou! Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, Jezi pral defèt tout domaj Satan ak sistèm li an lakòz n ap sibi (Eza. 65:17; 1 Jan 3:8; Rev. 21:3, 4). Se pa ti espwa sa ban nou! E menm lè Jezi ban nou yon asiyasyon ki pa fasil, li avèk nou, l ap ede nou nan dènye jou sistèm sa a (Mat. 28:19, 20). Se pa ti kouraj sa ban nou! Vrèmanvre, soulajman, espwa ak kouraj nou jwenn nan, se kèk aspè sèlman nan baz solid nou genyen ki pèmèt nou santi lespri nou anpè. Kidonk, ki jan nou ka kontinye kenbe lespri nou anpè lè nou jwenn gwo eprèv? Nou ka fè sa lè nou fè menm bagay ak Jezi. Premyèman, priye, pèsevere nan lapriyè. Dezyèmman, obeyi Jewova e se pou nou chofe nan travay predikasyon an, menm lè li difisil pou n fè sa. Epi twazyèmman, aksepte èd zanmi nou ban nou lè nou nan pwoblèm. Konsa, lapè Bondye ap pwoteje lespri nou ak kè nou (Flp. 4:6, 7). Epi, menm jan ak Jezi n ap pot laviktwa sou kèlkeswa eprèv la. — Jan 16:33. w19.04 13 § 16-17.