BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es21
  • Oktòb

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Oktòb
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
  • Soutit
  • Vandredi 1ye oktòb
  • Samdi 2 oktòb
  • Dimanch 3 oktòb
  • Lendi 4 oktòb
  • Madi 5 oktòb
  • Mèkredi 6 oktòb
  • Jedi 7 oktòb
  • Vandredi 8 oktòb
  • Samdi 9 oktòb
  • Dimanch 10 oktòb
  • Lendi 11 oktòb
  • Madi 12 oktòb
  • Mèkredi 13 oktòb
  • Jedi 14 oktòb
  • Vandredi 15 oktòb
  • Samdi 16 oktòb
  • Dimanch 17 oktòb
  • Lendi 18 oktòb
  • Madi 19 oktòb
  • Mèkredi 20 oktòb
  • Jedi 21 oktòb
  • Vandredi 22 oktòb
  • Samdi 23 oktòb
  • Dimanch 24 oktòb
  • Lendi 25 oktòb
  • Madi 26 oktòb
  • Mèkredi 27 oktòb
  • Jedi 28 oktòb
  • Vandredi 29 oktòb
  • Samdi 30 oktòb
  • Dimanch 31 oktòb
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2021
es21

Oktòb

Vandredi 1ye oktòb

Je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a, l ap chèche moun k ap sèvi l ak tout kè yo pou l ka itilize fòs li an favè yo. — 2 Kwo. 16:9.

Nou gen anpil prèv ki montre Jewova ap pwoteje pèp li a jodi a. Reflechi sou sa: N ap preche e n ap anseye laverite toupatou sou tè a (Mat. 28:19, 20). Konsa, nou devwale move travay Dyab la fè yo. Se sèten, si Satan te kapab, li t ap bloke tout aktivite nou. Men, li pa kapab. Se sa k fè nou pa bezwen pè espri mechan yo. Si nou fidèl ak Jewova, demon yo pap ka fè nou okenn mal k ap dire pou toutan. Men, nou tout bezwen reziste kont espri ki mechan yo e n bezwen met konfyans nou nan Jewova. Si nou fè sa, n ap jwenn anpil benediksyon e nou pap pran nan manti Satan yo. Epitou, nou pap tèlman pè demon yo pou sa anpeche nou sèvi Jewova. Sa k pi enpòtan an, n ap vin pi pwòch ak Jewova. Men sa disip Jak te ekri: “Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:7, 8. w19.04 24 § 15; 25 § 18.

Samdi 2 oktòb

Pitit se yon rekonpans. — Sòm 127:3.

Pitit ou se kado Bondye ba ou, yo se “eritaj Jewova bay”. Se responsablite w pou w pwoteje kado sa a. Ki sa w ka fè pou w pwoteje pitit ou pou moun pa fè abi seksyèl sou yo? Premyèman, chèche jwenn enfòmasyon konsènan abi seksyèl. Chèche konn ki kalite moun ki konn fè abi seksyèl sou timoun ak taktik yo itilize pou yo pran timoun yo nan pyèj. Veye sitiyasyon oswa moun ki reprezante yon danje pou pitit ou (Pwo. 22:3; 24:3). Pa bliye, nan pifò ka, moun k ap fè abi seksyèl sou timoun nan se yon moun timoun nan deja konnen e li fè konfyans. Dezyèmman, pale klè ak pitit ou epi mete yo alèz pou yo pale avè w (Det. 6:6, 7; Jak 1:19). Pa bliye, byen souvan timoun yo renka pou yo fè konnen moun fè abi seksyèl sou yo. Yo ka pè pou lòt moun pa kwè sa yo di a, oswa moun ki fè abi seksyèl sou yo a ka fè yo menas pou yo pa di sa. Si w santi gen yon bagay dwòl ki rive, avèk dousè, eseye poze timoun nan kesyon pou w fè l pale. Epi, koute sa l ap di w avèk pasyans. Twazyèmman, bay pitit ou fòmasyon. Montre yo sa pou yo di ak sa pou yo fè si yon moun eseye manyen yo yon fason ki pa kòrèk. w19.05 13 § 19-22.

Dimanch 3 oktòb

Moun ki gen ògèy nan kè yo bay Jewova degoutans. — Pwo. 16:5.

Pou ki rezon Jewova rayi moun ki gen ògèy? Youn nan rezon yo se paske moun ki vin renmen pwòp tèt yo yon fason ki egzajere e ki ankouraje lòt moun fè sa ap vin awogan menm jan ak Satan. Fè yon ti reflechi: Satan te kwè Jezi, sila a Bondye te itilize pou kreye tout bagay la, ta dwe met ajenou devan l pou adore l (Mat. 4:8, 9; Kol. 1:15, 16)! Moun ki bay tèt yo pakèt enpòtans konsa montre aklè sajès monn nan se bagay moun sòt devan Bondye (1 Kor. 3:19). Men, Labib ede nou gen ekilib nan fason nou wè tèt nou. Li rekonèt li nòmal pou yon moun renmen tèt li nan yon degre ki apwopriye. Jezi te di pou nou “renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou”, sa ki montre nou dwe enterese ak tèt nou nan yon degre ki rezonab (Mat. 19:19). Men, Bib la pa aprann nou pou nou panse nou pi enpòtan pase lòt moun. Okontrè, li di: “Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” — Flp. 2:3; Wom. 12:3. w19.05 24 § 13-14.

Lendi 4 oktòb

Sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon. — Wom. 12:2.

Fè yon ti reflechi sou chanjman w te oblije fè lè w te fèk aprann verite ki gen nan Pawòl Bondye a ak lè w te deside sèvi Jewova. Pou anpil nan nou, sa te mande pou n sispann pratike kèk bagay ki pa bon (1 Kor. 6:9-11). Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova te ede nou kite vye pratik sa yo! Men, nou pa dwe janm panse nou pa bezwen fè okenn chanjman ankò. Menmsi anvan nou te batize nou te sispann pratike yon seri peche grav, nou toujou bezwen fè gwo efò pou nou evite kèlkeswa bagay ki ta ka fè nou retounen nan move pratik sa yo. Gen de bagay pou nou fè. Premyèman, nou bezwen “sispann konfòme nou” ak monn sa a oswa sispann kite l enfliyanse nou. Dezyèmman, nou bezwen “transfòme tèt nou” lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon. Chanjman sa a se yon chanjman ki pwofon. Nou bezwen fè yon chanjman konplè nan lespri nou, nan fason nou wè bagay yo, nan santiman nou ak nan tandans nou. w19.06 9 § 4-6.

Madi 5 oktòb

Ou menm k ap ede m e k ap konsole m, o Jewova. — Sòm 86:17.

Lè n strese, nou ka rejwenn fòs lè nou asiste reyinyon nan kongregasyon an. Lè nou nan reyinyon, nou bay Jewova plis okazyon pou l ‘ede nou e pou l konsole nou’. Lè sa a, l ap ban nou fòs pa mwayen lespri sen l, Pawòl li a ak pèp li a. Reyinyon yo ban nou yon okazyon pou “youn ka ankouraje lòt”. (Wom. 1:11, 12.) Men sa yon sè ki rele Sophia di: “Jewova ak frè nou yo te ede m andire. Sa k pi enpòtan pou mwen, se reyinyon nou yo. Mwen rann mwen kont plis mwen patisipe nan travay predikasyon an ak nan aktivite kongregasyon m, se plis mwen vin kapab fè fas ak strès ak tètchaje mwen genyen yo.” Lè nou santi n dekouraje, nou bezwen sonje Jewova pa sèlman pwomèt l ap soulaje n nèt alavni, men tou, li pwomèt nou l ap ede n fè fas ak strès nou genyen kounye a. “Li ban nou volonte e li ban nou fòs” pou nou konbat yon seri santiman k ap fè nou dekouraje e k ap fè nou pèdi espwa. — Flp. 2:13. w19.06 19 § 17-18.

Mèkredi 6 oktòb

Al pot nouvèl la bay frè m yo pou yo ka al Galile. Se la y ap wè m. — Mat. 28:10.

Jezi dwe te gen kèk enstriksyon ki enpòtan anpil pou l bay disip yo, paske premye bagay li te fè apre l fin resisite se te reyinyon sa a! Nan reyinyon Jezi te fè a, li te pale sou travay enpòtan disip li yo t ap gen pou yo fè nan premye syèk la, e se menm travay sa a n ap fè jodi a. Men sa Jezi te di: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” ​(Mat. 28:19, 20). Jezi vle pou tout disip li yo preche. Se pa t 11 apot fidèl yo sèlman li te bay lòd sa a. Ki jan nou fè konn sa? Bon, èske se apot yo sèlman ki te la sou mòn Galile lè l te bay lòd pou y al fè disip la? Sonje sa zanj lan te di medam yo: “N ap wè l [Galile].” ​(Mat. 28:7). Se sèten te gen yon seri medam fidèl ki te la lè sa a. w20.01 2-3 § 1-4.

Jedi 7 oktòb

Kòm nou pa fè pati monn nan, e mwen chwazi nou nan monn nan, se pou rezon sa a monn nan rayi nou. — Jan 15:19.

Jezi te esplike rezon ki fè nou ta dwe atann pou moun opoze ak nou. Li te di moun yo t ap rayi nou paske nou pa fè pati monn nan. Pèsekisyon se pa yon siy ki montre nou pa gen benediksyon Jewova. Okontrè, lè nou jwenn pèsekisyon, sa montre n ap fè sa ki dwat! Moun ki opoze ak nou yo pa ka fè nou sispann adore Jewova, Bondye Toupisan an. Anpil moun eseye fè sa, men yo pa reyisi. Ann fè yon ti reflechi sou sa k te rive pandan Dezyèm Gè mondyal la. Nan moman sa a, gouvènman nan anpil peyi te pèsekite pèp Bondye a anpil. Se pa t sèlman pati Nazi ann Almay la ki te entèdi travay Temwen Jewova yo, men, gouvènman peyi Ostrali, gouvènman peyi Kanada ak lòt peyi te fè menm bagay la tou. Malgre sa, gade sa k te rive. Nan ane 1939, ane gè a te kòmanse a, te gen 72 475 pwoklamatè nan lemonnantye. Gen rapò ki montre nan fen gè a an 1945, grasa èd Jewova, te gen 156 299 pwoklamatè. Kantite pwoklamatè yo te vin plis pase de fwa kantite ki te gen anvan an! w19.07 9 § 4-5.

Vandredi 8 oktòb

Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou. — Jan 13:35.

Menmsi w pa gen etid kounye a, gen lòt fason w ka ede nan travay fè disip la. Pa egzanp ou ka akeyi moun ki fèk vin nan Sal Wayòm nan, e w ka pran ka yo. Konsa, lanmou nou demontre a ap ede yo wè nou se vrè kretyen. Kòmantè w fè nan reyinyon yo, menm lè yo kout, ka montre moun ki fèk ap vini yo jan pou yo fè konn konviksyon yo genyen yon fason ki sensè e avèk respè. Ou ka al preche ak yon nouvo pwoklamatè pou w ede l itilize Bib la pou l rezone ak moun. Lè w fè sa, w ap aprann li imite Kris (Lik 10:25-28). Anpil kretyen okipe anpil akoz yo gen anpil bagay enpòtan pou yo fè. Men, malgre sa, yo pran tan pou yo kondui etid biblik, e sa ba yo anpil kè kontan. w19.07 17 § 11, 13.

Samdi 9 oktòb

Mwen bliye bagay ki dèyè yo e mwen lanse dèyè bagay ki devan yo, m ap kouri pou m ka jwenn rekonpans lan. — Flp. 3:13, 14.

Apot Pòl pa t kite anyen distrè l, kit se bon bagay oswa move bagay li te fè nan tan lontan. Anfèt, li te fè konnen li enpòtan anpil pou l “bliye bagay ki dèyè yo” pou l ka “lanse dèyè bagay ki devan yo” sètadi pou l byen fini kous la. Ki bagay konsa ki te ka distrè Pòl? Premyèman, sa l te reyalize nan relijyon Jidayis la te estrawòdinè. Epoutan, li te konsidere bagay sa yo kòm “yon pil fatra”. (Flp. 3:3-8.) Dezyèmman, li pa t kite santiman ki te fè l santi l koupab lefètke l te konn pèsekite kretyen yo anpeche l fè sa ki byen. E twazyèmman, li pa t met nan tèt li li deja fè ase pou Jewova. Pòl te gen yon sèvis ki te bay bon rezilta malgre yo te mete l nan prizon, yo te bat li, yo te kalonnen l ak kout wòch epi bato te koule avè l, san wete li te konn pa gen manje pou l manje ak rad pou l mete (2 Kor. 11:23-27). Men, malgre tout sa Pòl te reyalize ak sa l te sibi, li te konnen li dwe kontinye sèvi Jewova. Nou dwe fè menm bagay la tou. w19.08 3 § 5.

Dimanch 10 oktòb

M ap voye nou tankou mouton nan mitan lou. — Mat. 10:16.

Anpil nan frè ak sè nou yo ap viv nan peyi kote yo pa ka preche ni an piblik ni kay an kay. Se sa k fè yo chèche lòt mwayen pou yo preche bon nouvèl la (Mat. 10:17-20). Nan youn nan peyi sa yo, gen yon siveyan sikonskripsyon ki te ankouraje pwoklamatè yo pou yo chak preche fanmi yo, vwazen yo, kamarad lekòl yo, kòlèg travay yo ak moun yo konnen. Nan dezan, kantite kongregasyon ki te gen nan sikonskripsyon sa a te ogmante anpil. Nou gendwa pap viv nan yon peyi kote nou pa ka preche alèz. Men, nou ka aprann yon bèl leson nan men frè ak sè nou yo: si nou toujou fè tout sa nou kapab pou nou preche, Jewova ap ban nou fòs pou nou kontinye preche menm lè sa difisil (Flp. 2:13). Kounye a, plis pase nenpòt lòt lè, annou rekonèt bagay ki pi enpòtan yo, pou nou san defo, pou nou evite fè lòt moun bite e pou nou pwodui fwi jistis la. Lè sa a, n ap gen anpil lanmou e n ap onore Jewova, Papa nou an. w19.08 13 § 17-18.

Lendi 11 oktòb

Mwen wè esklav ki monte sou cheval, tandiske gen chèf k ap mache apye tankou esklav. — Ekl. 10:7.

Pa gen anpil moun ki renmen pran kontak ak moun ki toujou atann se sa yo vle ki pou fèt e ki refize aksepte konsèy nan men lòt moun. Okontrè, nou santi nou byen avèk kwayan parèy nou lè yo “montre [yo] gen senpati, [yo] gen afeksyon pou frè yo [e yo] gen kè sansib ak imilite”. (1 Pyè 3:8.) Si nou santi nou anvi pwoche kot moun konsa, yo menm tou, y ap anvi pwoche kote nou, depi nou gen imilite. Imilite fè lavi nou pi fasil. Pafwa, nou ka wè yon seri bagay oswa nou viv yon seri bagay nou ka santi ki pa jis. Se pa toujou moun ki gen anpil kapasite yo onore. E pafwa se moun ki gen mwens kapasite yo ki resevwa plis onè. Menm lè sa a, Salomon te rekonèt li t ap pi bon pou nou aksepte lavi a jan l vini an olye nou kontrarye poutèt move bagay ki rive (Ekl. 6:9). Si nou gen imilite, n ap wè l pi fasil pou n aksepte lavi a jan l ye a, men pa jan nou panse l ta dwe ye a. w19.09 4-5 § 9-10.

Madi 12 oktòb

Nou menm papa [...] kontinye leve [timoun] yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay. — Efe. 6:4.

Moun ki gen yon sèten otorite, tankou papa yo, gen posiblite pou yo ede lòt moun. Se papa yo Jewova mete kòm chèf fanmi yo, e Bondye atann pou yo bay pitit yo fòmasyon ak disiplin (1 Kor. 11:3). Men, otorite yon papa gen limit, li gen kont pou l rann Jewova, Sila a ki pèmèt tout fanmi egziste a (Efe. 3:14, 15). Papa yo soumèt devan Jewova lè yo sèvi ak otorite yo yon fason ki fè Jewova plezi. Pinga w mal sèvi ak otorite Jewova ba ou a. Rekonèt erè w fè epi aksepte konsèy lòt moun ba w ki baze sou Bib la. Si w fè sa, fanmi w ap respekte w poutèt ou gen imilite. Lè w ap priye avèk fanmi w vide kè w bay Jewova, kite yo tande jis nan ki pwen w konte sou li. Sa k pi enpòtan an, ou bezwen konsantre lavi w sou sèvis w ap bay Jewova a (Det. 6:6-9). Bon egzanp ou bay se youn nan pi gwo kado ou ka bay fanmi w. w19.09 15 § 8; 17 § 14; 18 § 16.

Mèkredi 13 oktòb

Byen akeyi [Mak] si l vin jwenn nou. — Kol. 4:10.

Mak te dispoze sèvi lòt moun e l te kontan fè sa. Pandan plizyè fwa, Mak te akonpaye apot Pòl ak apot Pyè nan asiyasyon yo, e petèt li te ede yo jwenn sa yo te gen bezwen nan domèn materyèl (Tra. 13:2-5; 1 Pyè 5:13). Pòl te fè konnen Mak se te youn nan “konpayon travay [li] pou Wayòm Bondye a” e l te “yon èd ki [ba l] fòs”. (Kol. 4:11, nòt.) Mak te vin youn nan bon zanmi Pòl te genyen yo. Pa egzanp, dènye fwa yo te met Pòl nan prizon nan vil Wòm, ozanviwon ane 65 epòk nou an, Pòl te ekri Timote dezyèm lèt li a. Nan lèt sa a, Pòl te mande Timote pou l vin Wòm e pou l mennen Mak ansanm avè l (2 Tim. 4:11). Se sèten Pòl te apresye sèvis fidèl Mak te fè a, se sa k fè l te mande pou Mak la avè l nan moman enpòtan sa a. Mak te ede Pòl plizyè fason, petèt li te fè l jwenn manje ak sa l te bezwen pou l ekri. Sandout, èd ak ankourajman Pòl te jwenn yo te ede l andire rive jis nan dènye moman yo t apral touye l la. w20.01 11 § 12-13.

Jedi 14 oktòb

Vin jwenn mwen. — Mat. 11:28.

Nou chwazi fè anpil sakrifis nan lavi nou e nou chwazi fè anpil efò. Jezi te avèti nou n ap jwenn pèsekisyon. Men, nou ka gen espwa Jewova ap ban nou fòs pou nou andire kèlkeswa difikilte a. Plis nou andire, se plis n ap vin gen fòs (Jak 1:2-4). Nou ka gen espwa tou Jewova ap ban nou sa nou bezwen, Jezi ap pran swen nou, e frè n ak sè n yo ap ankouraje nou (Mat. 6:31-33; Jan 10:14; 1 Tes. 5:11). Dam Jezi te geri anba “san k ap koule sou li” a te jwenn fòs menm jou li te geri a (Lik 8:43-48). Men, sèl fason pou l ta kontinye jwenn fòs nètale, se si l te vin yon disip Kris ki fidèl. Ki sa w panse l te fè? Si l te chwazi vin anba jouk Jezi a, imajine ki rekonpans li t ap jwenn: li t apral sèvi ansanm ak Jezi nan syèl la! Kèlkeswa sakrifis li ta fè pou l suiv Kris, sa pa t ap anyen devan benediksyon sa a. Kèlkeswa esperans nou genyen, kit se pou nou viv pou toutan nan syèl la oswa sou tè a, nou kapab gen anpil rekonesans dèske nou aksepte envitasyon Jezi a, lè l te di: “Vin jwenn mwen”! w19.09 25 § 21-22.

Vandredi 15 oktòb

Se grasa sajès y ap bati yon kay, e se bon jijman k ap fè l rete djanm. — Pwo. 24:3.

Mesye David yo te mande yon Izrayelit ki te rich ki te rele Nabal pou l ba yo yon ti manje. Yo te santi yo alèz pou yo te mande Nabal yon bagay paske yo te konn pwoteje mouton l yo nan dezè a. Men, Nabal ki te egoyis pa t vle ba yo anyen. David te vin fache anpil e l te gen entansyon touye Nabal ak tout gason ki gen lakay li (1 Sam. 25:3-13, 22). Men, Abigayil, madanm Nabal, se yon moun ki te gen bon konprann e ki te bèl. Li te met anpil kouraj sou li, li te lage kò l nan pye David e li te sipliye David pou l pa tire revanj, sa ki t ap fè l responsab san moun. Avèk jantiyès, li te mande David pou l kite bagay yo nan men Jewova. Pawòl Abigayil te di yo, ki te montre l gen imilite, ak fason l te aji avèk entèlijans te touche kè David. Se sa k fè David te gen rezon di se Jewova ki voye Abigayil (1 Sam. 25:23-28, 32-34). Abigayil te gen yon seri kalite ki te fè Jewova sèvi avè l. Menm jan an tou, Jewova ka sèvi ak sè ki chèche gen ladrès ak bon konprann pou fòtifye fanmi yo ak lòt moun nan kongregasyon an. — Tit 2:3-5. w19.10 23 § 10.

Samdi 16 oktòb

Sot ladan l, pèp mwen, si nou pa vle patisipe avè l nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa yon pati nan kalamite l yo. — Rev. 18:4.

Tout vrè kretyen dwe veye pou yo pa gen okenn kontak ak Gran Babilòn nan. Anvan yon etidyan Labib te aprann laverite, petèt li te nan yon fo relijyon. Li ka te konn asiste sèvis relijyon sa a òganize e l ka te konn patisipe nan aktivite y ap fè yo. Oswa li ka te konn bay kòb pou soutni yon òganizasyon relijye. Anvan yo apwouve yon etidyan Labib pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize, li dwe koupe tout kontak ak fo relijyon. Li dwe remèt relijyon l te ladan l lan ak nenpòt lòt òganizasyon ki fè pati Gran Babilòn nan yon lèt ki fè konnen li pa fè pati relijyon sa a oswa òganizasyon sa a ankò. Yon vrè kretyen dwe veye pou travay li pa gen okenn rapò ak Gran Babilòn nan (2 Kor. 6:14-17). Poukisa nou pran yon desizyon fèm konsa? Paske nou pa vle patisipe nan aksyon ak peche òganizasyon relijye ki pa pwòp nan je Bondye yo ap fè. — Eza. 52:11. w19.10 12 § 16-17.

Dimanch 17 oktòb

Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon [...]. Li pap kontinye gen rankin pou toutan. — Sòm 103:8, 9.

Se Jeremi ki te ekri liv ki pote non l lan, e sanble se li menm tou ki te ekri liv 1 Wa ak liv 2 Wa a. Se sèten travay sa a te fè l wè jan Jewova gen mizèrikòd pou moun ki enpafè. Pa egzanp, li te konnen lè wa Ahab te repanti pou move aksyon l te fè yo Jewova te epaye l pou l pa t wè yo detwi tout fanmi l pandan l vivan (1 Wa 21:27-29). Menm jan an tou, Jeremi te konnen Manase te fè bagay ki pi mal pase Ahab pou l ofanse Jewova. Aktout sa, Jewova te padone Manase paske l te repanti (2 Wa 21:16, 17; 2 Kwo. 33:10-13). Istwa sa yo dwe te ede Jeremi pou l montre l gen pasyans ak mizèrikòd menm jan ak Bondye. Ann fè yon ti pale sou fason Jeremi te aji ak Bawouk lè Bawouk pa t ret konsantre sou travay li pandan yon ti tan. Olye Jeremi te dekouraje byen vit ak Bawouk, zanmi l lan, li te ede Bawouk lè l te fè l konnen mesaj Bondye te voye ba li ki te demontre bonte, men ki te dirèk. — Jer. 45:1-5. w19.11 6 § 14-15.

Lendi 18 oktòb

Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l. — Ebre 6:10.

Nan liv Levitik la, nou aprann yon Izrayelit te ka fè yon sakrifis kominyon “pou l di Bondye mèsi”. (Lev. 7:11-13, 16-18.) Li pa t fè ofrann sa a paske li te oblije fè l, men paske l te vle fè l. Menm jan ak sakrifis kominyon sa yo, sèvis n ap bay Jewova a montre jan nou renmen l. Nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an, e nou fè sa paske nou renmen l ak tout kè nou. Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l wè plizyè milyon moun k ap adore l dispoze sèvi l paske yo renmen l anpil e yo renmen fason l ap dirije! Jewova wè nonsèlman sa nou fè yo, men tou, sa ki pouse nou aji konsa e li bay sa valè. Pa egzanp, si w granmoun anpil e w vin pa ka fè sa w ta renmen fè, ou mèt gen asirans Jewova konprann ou. Ou ka santi pa gen anpil bagay ou ka fè pou Jewova, men Jewova wè lanmou w gen pou li nan kè w ki pouse w fè sa w kapab. Li kontan aksepte pi bon bagay ou kapab ba li a. w19.11 22 § 9; 23 § 11-12.

Madi 19 oktòb

Vin yon kote apa pou nou pran yon ti repo. — Mak 6:31.

Nan kesyon travay, li enpòtan pou nou gen ekilib. Men sa Bondye te enspire wa Salomon pou l ekri: “Gen yon lè pou [...] chak bagay.” Li te pale de plante, konstwi, kriye, ri, danse ak lòt bagay (Ekl. 3:1-8). Li klè, travay ak repo se de bagay ki enpòtan anpil nan lavi a. Jezi te fè ekilib ant travay ak repo. Yon lè, apot yo te retounen sot nan yon kanpay predikasyon. Yo te tèlman okipe, “yo pa t menm jwenn tan pou yo manje”. Jezi te di yo pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an (Mak 6:30-34). Aktout Jezi ak disip li yo pa t toujou kapab repoze jan yo ta vle a, Jezi te konnen yo tout te bezwen pran repo. Pafwa, li vrèman nesesè pou nou pran yon ti repo oswa pou nou fè yon ti chanjman. Nou ka wè sa nan yon dispozisyon Bondye te pran pou pèp li a nan tan lontan: se saba ki te gen chak semèn nan. Nou pa anba Lalwa Moyiz la, men, nou ka aprann yon leson lè nou egzamine sa l te di sou saba a. w19.12 3 § 6-7.

Mèkredi 20 oktòb

Pa janm bay tèt nou pwoblèm. — Mat. 6:31.

Jewova pwomèt l ap pran swen sèvitè fidèl li yo, e li santi se yon obligasyon pou l kenbe pwomès sa a (Sòm 31:1-3). Anplis de sa, Jewova konnen nou t ap dekouraje si l pa ta pran swen moun ki fè pati fanmi l. Li pwomèt l ap pran swen nou ni nan domèn materyèl ni nan domèn espirityèl, e pa gen anyen ki ka anpeche l kenbe pwomès sa a (Mat. 6:30-33; 24:45)! Lè nou sonje rezon ki fè Jewova kenbe pwomès li, nou ka fè fas ak pwoblèm ekonomik yo avèk konfyans. Ann pran egzanp kretyen yo nan premye syèk la. Lè te gen yon gwo pèsekisyon ki te leve kont kongregasyon ki te nan Jerizalèm nan, “tout disip yo, eksepte apot yo, te gaye” al nan lòt zòn (Tra. 8:1). Ki konsekans sa te genyen? Yo te vin gen gwo pwoblèm ekonomik! Petèt kretyen yo te pèdi kay yo ak biznis yo. Aktout sa, Jewova pa t abandone yo, e yo pa t pèdi jwa yo nonplis (Tra. 8:4; Ebre 13:5, 6; Jak 1:2, 3). Jewova te ede kretyen fidèl sa yo, e l ap ede nou tou. — Sòm 37:18, 19. w20.01 17-18 § 14-15.

Jedi 21 oktòb

Jewova [...] konnen moun ki gen imilite yo. — Sòm 138:6.

Lè David t ap defann mouton papa l yo anba pat yon lyon ak yon lous, li te konnen se Jewova ki te ede l pot laviktwa sou bèt sovaj sa yo ki te gen anpil fòs. Lè David te pot laviktwa sou Golyat, yon jeyan ki te konn fè lagè, li te wè aklè se Jewova ki t ap gide l (1 Sam. 17:37). E lè David te chape anba men wa Sayil, ki te jalou sò l, li te konnen se Jewova ki te sove l (Sòm 18, pawòl ki anlè tèt chapit la). Si David te gen ògèy, li ta gendwa di se li menm ki te fè tout sa poukont li. Men David te gen imilite, se sa k fè li te ka wè fason Jewova ede l. Ki leson nou aprann? Nou bezwen fè plis pase annik mande Jewova ede nou. Nou dwe fè efò pou n konprann ki lè li ede n ak fason l fè sa. Si nou rekonèt limit nou avèk imilite, n ap ka wè aklè Jewova ede nou fè sa nou pa ka fè. E chak fwa nou wè Jewova ede nou, relasyon nou gen avè l ap vin pi solid. w19.12 20 § 18-19.

Vandredi 22 oktòb

Jewova korije moun li renmen menm jan yon papa fè pou pitit li renmen. — Pwo. 3:12.

Nou gen anpil rezon ki fè nou kwè Jewova ban nou valè. Li rale n vin jwenn li e li wè fason nou te reyaji devan bon nouvèl la (Jan 6:44). Lè n te kòmanse pwoche bò kote Jewova, li te pwoche pi pre nou (Jak 4:8). Mete sou sa, Jewova pase anpil tan ap travay pou l ban nou fòmasyon, sa ki montre nou gen anpil valè nan je l. Li konnen ki kalite moun nou ye jodi a e ki kalite moun nou ka vin tounen pi devan. Epitou, li disipline nou paske l renmen nou. Ala yon gwo prèv ki montre Jewova ban nou valè! Gen moun ki pa t bay wa David valè, men li te konnen Jewova renmen l e l soutni l. Sa te gen efè sou fason David te wè sitiyasyon l lan (2 Sam. 16:5-7). Lè n santi n dekouraje oswa lè n ap fè fas ak pwoblèm, Jewova ka ede n wè bagay yo yon lòt jan e li ka ede n fè fas ak kèlkeswa obstak la (Sòm 18:27-29). Lè Jewova avè n, pa gen anyen ki ka anpeche n sèvi l ak kè kontan. — Wom. 8:31. w20.01 15 § 7-8.

Samdi 23 oktòb

Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. — Mat. 28:20.

Lè w ap kondui yon etid biblik, priye anvan w kòmanse etid la. Nòmalman, li pi bon lè nou pa kite twòp tan pase pou n priye anvan n kòmanse etid la, an jeneral, nou fè sa kèk semèn apre etid la fin tabli. Nou dwe ede etidyan an wè se lespri Bondye sèlman ki ka ede n konprann Pawòl Bondye a. Gen pwoklamatè ki li Jak 1:5 pou yo atire atansyon etidyan an sou lapriyè. Men sa l di: “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l.” Apre sa, pwoklamatè a mande etidyan an: “Ki jan w ka mande Bondye sajès?” Petèt etidyan an ap dakò nou dwe priye Bondye. Aprann etidyan an fason pou l priye. Ede l gen asirans Jewova vle tande priyè l fè ak tout kè l. Ede l konprann nou ka di Jewova tout bagay nan priyè nou fè pèsonèlman, sa vle di nou ka di l yon seri bagay ki ka difisil pou n di lòt moun. Dayè, Jewova deja konnen tout sa k ap pase nan lespri n. — Sòm 139:2-4. w20.01 2 § 3; 5 § 11-12.

Dimanch 24 oktòb

Sa pa depann de sa yon moun vle oswa de efò l fè, men sa depann de Bondye. — Wom. 9:16.

Se Jewova ki deside ki lè l ap chwazi moun pou al nan syèl (Wom. 8:28-30). Jewova te kòmanse chwazi moun ki pral nan syèl yo apre Jezi te fin resisite. Sanble nan premye syèk la, tout vrè kretyen yo te gen esperans pou y al nan syèl. Nan syèk ki te vin apre yo, pifò nan moun ki te di yo se kretyen pa t ap suiv Kris toutbonvre. Malgre sa, pandan ane sa yo, Jewova te chwazi ti kantite moun ki te kretyen toutbon yo pou y al nan syèl. Yo te tankou ble Jezi te di ki t ap grandi nan mitan move zèb la (Mat. 13:24-30). Nan dènye jou yo, Jewova kontinye chwazi moun ki pral fè pati 144 000 moun yo. Se sa k fè, si Bondye deside chwazi kèk moun ankò jis anvan lafen an rive, se sèten nou pa dwe gen dout sou sajès li (Wom. 9:11). Nou dwe veye pou nou pa gen menm reyaksyon ak travayè Jezi te pale de yo nan youn nan egzanp li te bay yo. Yo te plenyen pou fason mèt la te aji ak moun ki te kòmanse travay nan dènye èdtan an. — Mat. 20:8-15. w20.01 30 § 14.

Lendi 25 oktòb

Sèvitè m yo ap rele tèlman y ap kontan. — Eza. 65:14.

Jewova vle fanmi l gen kè kontan. Gen anpil rezon pou nou gen kè kontan depi kounye a, menm lè nou jwenn difikilte. Pa egzanp, nou sèten Papa nou ki nan syèl la renmen nou anpil. Nou gen yon konesans egzak sou Pawòl Bondye a, Labib (Jer. 15:16). E nou fè pati yon fanmi ki san parèy, moun ki ladan l yo renmen Jewova, yo renmen prensip moral wo nivo l yo e youn renmen lòt (Sòm 106:4, 5). Nou ka kontinye gen kè kontan paske nou gen asirans lavi a ap pi bèl alavni. Nou konnen talè konsa Jewova pral detwi tout mechan yo e tè a pral tounen yon paradi anba dominasyon Wayòm li an. Mete sou sa, nou gen bèl espwa moun ki mouri yo pral resisite pou yo viv ak moun pa yo (Jan 5:28, 29). Ala bèl sa pral bèl! Sa k pi enpòtan an, nou gen asirans talè konsa, ni nan syèl la ni sou tè a, tout moun pral bay Papa nou ki gen lanmou an onè, louwanj ak atachman li merite a. w20.02 13 § 15-16.

Madi 26 oktòb

Se kont ou menm, se sitou kont ou menm, mwen te peche. — Sòm 51:4.

Si w fè yon peche grav, pa eseye kache sa. Okontrè, priye Jewova pou w fè l konn tout sa w fè. Apre sa w ap kòmanse santi w soulaje anba tètchaje w te genyen akoz konsyans ou k ap kale w. Men, si w vle retounen vin zanmi Jewova, se pa priye sèlman w dwe priye. Ou dwe aksepte disiplin. Lè Jewova te voye pwofèt Natan al fè Wa David konnen peche l fè ak Batcheba a, David pa t defann tèt li ni li pa t eseye minimize peche l la. Menm moman an, li te admèt li peche nonsèlman kont mari Batcheba, men, sa k pi enpòtan an, li te admèt li peche kont Jewova. David te aksepte disiplin Jewova te ba li, e Jewova te padone l (2 Sam. 12:10-14). Si nou te fè yon peche grav, nou bezwen pale ak moun Jewova mete pou pran swen nou yo (Jak 5:14, 15). Nou pa dwe ap chèche defann tèt nou. Pi vit nou aksepte disiplin nou jwenn nan e nou aplike l, se pi vit n ap vin gen lapè ak kè kontan ankò. w20.02 24-25 § 17-18.

Mèkredi 27 oktòb

Dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale ap kenbe wòb long yon Juif [...] byen di, epi y ap di: “Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.” — Zak. 8:23.

“Dis moun” yo reprezante moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan. Yo konnen Jewova beni gwoup moun li chwazi pou al nan syèl yo, gwoup “Juif” la reprezante a, e yo konsidere se yon onè pou yo adore Jewova ansanm ak moun sa yo. Menm lè li pa posib pou n konn non chak moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a jodi a, moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a kapab “ale avèk” moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Ki jan? Tèks pou jounen an bay repons lan. W ap remake vèsè a pale de yon Juif. Men, lè l di avèk “nou” an, sa fè referans ak plis pase yon moun. Sa montre Juif sa a pa reprezante yon sèl moun, men li reprezante gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Moun Bondye pa chwazi pou al nan syèl yo ap sèvi Jewova ansanm ak moun Bondye chwazi yo. Men, yo pa konsidere moun Bondye chwazi yo kòm gid yo, paske yo konnen se Jezi ki Gid yo. — Mat. 23:10. w20.01 26 § 1-2.

Jedi 28 oktòb

Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou. — Jan 13:35.

Jezi te di moun t ap kapab rekonèt vrè disip li yo si yo montre yo gen menm kalite lanmou li te demontre a. Sa l te di a te yon verite nan premye syèk la, e li toujou yon verite jodi a. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou demontre lanmou youn pou lòt menm lè sa pa fasil! Mande tèt ou: ‘Ki sa m ka aprann nan men frè ak sè ki kontinye montre lanmou youn pou lòt menm lè gen pwoblèm?’ Akoz enpèfeksyon nou, li pa fasil pou nou renmen youn lòt anpil ak tout kè nou. Aktout sa, nou dwe fè efò pou nou imite Kris. Jezi te aprann nou jan li enpòtan pou nou fè lapè ak yon frè ki gen yon pwoblèm avèk nou (Mat. 5:23, 24). Li te montre enpòtans pou nou kenbe bon relasyon ak lòt moun si nou vle fè Bondye plezi. Jewova kontan lè nou fè tout sa n kapab pou n fè lapè ak frè n ak sè n yo. Li pap aksepte adorasyon n ap ba li a si nou kenbe yon moun sou kè nou e si nou refize fè lapè. — 1 Jan 4:20. w20.03 24 § 1-4.

Vandredi 29 oktòb

Nou rekonèt mesaj ki verite ak mesaj ki manti. — 1 Jan 4:6.

Satan, “papa manti” a, ap twonpe moun depi nan kòmansman istwa lèzòm (Jan 8:44). Pami kèk nan manti li bay yo, genyen yon seri fo ansèyman konsènan lanmò e konsènan lavi apre lanmò. Divès koutim ak pratik anpil moun suiv chita sou fo ansèyman Satan bay konsènan lanmò. Poukisa anpil moun pran nan manti sa a? Kòm Satan konnen natirèlman nou pa vle mouri, li jwe sou sa pou l chèche twonpe nou. Vrèmanvre, nou pa ta renmen mouri, paske Bondye te kreye nou pou n viv pou toutan (Ekl. 3:11). Nou konsidere lanmò kòm yon ènmi (1 Kor. 15:26). Malgre tout sa Satan fè, li pa rive kache laverite konsènan lanmò. Anfèt, jodi a, gen yon pakèt moun ki konnen sa Bib la anseye sou sitiyasyon mò yo ak espwa ki genyen pou moun ki mouri yo e k ap fè lòt moun konn sa (Ekl. 9:5, 10; Tra. 24:15). Verite sa yo ban nou fòs, yo ede nou pou nou pa pè e pou nou pa gen dout konsènan sa k rive lè yon moun mouri. w19.04 14 § 1; 15 § 5-6.

Samdi 30 oktòb

Se pou youn kontinye pote fado lòt, e konsa, n ap fè sa lalwa Kris la mande. — Gal. 6:2.

Jewova Dye renmen moun k ap adore l yo. Li te toujou renmen yo e l ap toujou renmen yo. Epitou, li renmen jistis (Sòm 33:5). Donk, men de asirans nou kapab genyen: 1) Sa fè Jewova mal lè yo mal aji ak sèvitè l yo. 2) L ap fè yo jwenn jistis. Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la pa mwayen Moyiz te baze sou lanmou. Li te pèmèt gen jistis, yon fason pou tout moun jwenn jistis, menm moun ki pi fèb yo (Det. 10:18). Lwa sa a montre jan Jewova sansib pou moun k ap adore l yo. Lwa Moyiz la pa t egziste ankò nan ane 33 epòk nou an lè kongregasyon kretyen an te tabli. Èske kretyen yo pa t ap gen yon lwa ki baze sou lanmou e ki pèmèt gen jistis? Wi! Kretyen yo te gen yon nouvo lwa, se “lalwa Kris la”. Jezi pa t bay yon lis lwa pou disip li yo suiv, men li te ba yo yon seri enstriksyon, kòmandman ak prensip. “Lalwa Kris la” gen ladan l tout sa Jezi te anseye yo. w19.05 2 § 1-3.

Dimanch 31 oktòb

Bondye tout konsolasyon an [...] konsole nou nan tout eprèv nou yo. — 2 Kor. 1:3, 4.

Lèzòm bezwen jwenn konsolasyon, e yo gen kapasite estrawòdinè pou yo konsole lòt moun. Pa egzanp, lè yon timoun tonbe pandan l ap jwe e li blese jenou l, li ka kouri al jwenn manman l oswa papa l toutpandan l ap kriye. Paran yo pa ka geri blese a, men yo ka konsole timoun nan. Yo ka mande l kòman sa fè rive, yo ka siye dlo nan je l e yo ka di l bon ti pawòl pou konsole l. E petèt y ap mete yon ti remèd oswa yon pansman sou blese a. Nan yon ti tan, timoun nan ap sispann kriye e li ka menm rekòmanse jwe. Rive yon lè, blese a ap geri. Men, pafwa timoun yo konn gen yon blese ki pi grav toujou. Gen kèk timoun yo fè abi seksyèl sou yo. Yo ka fè abi seksyèl sou yo yon sèl fwa, oswa yo ka fè sa pandan plizyè ane. Kèlkeswa sitiyasyon an, abi seksyèl yo fè sou li a ka lakòz gwo dega nan domèn afektif. Nan kèk ka, yo konn vin konnen moun ki fè aksyon an, e apre sa yo konn pini l. Gen kèk lòt ka kote moun ki fè abi seksyèl la ta sanble pap jwenn pinisyon pou sa l fè a. Men, menmsi yo pini moun ki fè abi seksyèl la san pèdi tan, timoun ki viktim nan ka kontinye soufri menm lè l vin gran. w19.05 14 § 1-2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje