BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es22 p. 26-36
  • Mas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mas
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
  • Soutit
  • Madi 1ye mas
  • Mèkredi 2 mas
  • Jedi 3 mas
  • Vandredi 4 mas
  • Samdi 5 mas
  • Dimanch 6 mas
  • Lendi 7 mas
  • Madi 8 mas
  • Mèkredi 9 mas
  • Jedi 10 mas
  • Vandredi 11 mas
  • Samdi 12 mas
  • Dimanch 13 mas
  • Lendi 14 mas
  • Madi 15 mas
  • Mèkredi 16 mas
  • Jedi 17 mas
  • Vandredi 18 mas
  • Samdi 19 mas
  • Dimanch 20 mas
  • Lendi 21 mas
  • Madi 22 mas
  • Mèkredi 23 mas
  • Jedi 24 mas
  • Vandredi 25 mas
  • Samdi 26 mas
  • Dimanch 27 mas
  • Lendi 28 mas
  • Madi 29 mas
  • Mèkredi 30 mas
  • Jedi 31 mas
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
es22 p. 26-36

Mas

Madi 1ye mas

Nou byennere lè moun rayi nou. — Lik 6:22.

Nou pa ta renmen moun rayi nou. Sa pa fè n plezi lè y ap pèsekite nou poutèt n ap sèvi Jewova. Donk, poukisa nou ka gen kè kontan lè yo rayi nou? Ann wè twa rezon. Premyèman, lè nou andire, nou fè Bondye plezi (1 Pyè 4:13, 14). Dezyèmman, sa gen bon efè sou lafwa nou e li vin pi solid (1 Pyè 1:7). Twazyèmman, n ap resevwa yon rekonpans ki gen anpil valè, anpalan de lavi ki pap janm fini an (Wom. 2:6, 7). Yon ti tan apre Jezi fin resisite, apot yo te vin gen kè kontan Jezi te di y ap genyen an. Apre yo te fin bat yo e yo te ba yo lòd pou yo sispann preche, yo te kontan. Poukisa? Paske “Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi”. (Tra. 5:40-42.) Yo pa t pè dèske ènmi yo te rayi yo, paske lanmou yo te gen pou Mèt yo a te pi fò. E yo te montre lanmou sa a nan fason yo te kontinye preche bon nouvèl la “san rete”. Anpil nan frè nou yo jodi a kontinye sèvi Bondye fidèlman malgre difikilte yo jwenn. Yo konnen Jewova pap bliye travay yo fè ak lanmou yo demontre pou non l. w21.03 25 § 18-19.

Mèkredi 2 mas

Li menm met lide pou lèzòm viv pou toutan nan kè yo. — Ekl. 3:11.

Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa tou fèt ak esperans pou yo viv nan syèl. Se Bondye ki met esperans sa a nan kè yo. Yo reflechi ak esperans yo genyen an, yo priye Jewova sou sa, e se pa ti anvi yo anvi resevwa rekonpans yo nan syèl la. Yo pa menm ka imajine ak ki sa kò y ap gen nan syèl la sanble (Flp. 3:20, 21; 1 Jan 3:2). Aktout sa, yo vrèman swaf pou y al nan plas yo nan Wayòm nan ki nan syèl la. Lòt mouton yo kontan gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan, se sa nòmalman tout moun ta renmen. Y ap tann jou kote y ap kapab travay pou fè tout tè a vin yon paradi. Se pa ti tann y ap tann jou kote y ap ka bati kay yo, fè jaden, epi leve pitit yo k ap gen yon sante pafè (Eza. 65:21-23)! Y ap tann pou yo vwayaje toupatou sou tè a pou yo wè mòn yo, forè yo, lanmè yo e pou yo aprann konnen pakèt bagay Jewova kreye yo. Sa k pi enpòtan an, se pa ti kontan yo kontan lefètke yo konnen relasyon yo gen ak Jewova a ap kontinye vin pi solid. w21.01 18-19 § 17-18.

Jedi 3 mas

Li te boule kay vrè Dye a, [...] e li te detwi tout bagay ki te gen valè yo. — 2 Kwo. 36:19.

Lè moun Babilòn yo te fini ak peyi a, sèl sa moun k ap gade yo te ka di: “Peyi a se yon dezè, li pa gen ni moun ni bèt ladan l. Yo lage l nan men moun Kalde yo.” ​(Jer. 32:43). Anviwon 200 ane apre Jowèl te fin bay pwofesi l la, Jewova te sèvi ak Jeremi pou l anonse yon lòt bagay konsènan atak sa a. Li te di yo t ap gen pou yo byen chèche Izrayelit ki lage kò yo nan fè sa k mal yo, e sa t ap pèmèt yo met men sou yo. “‘M ap voye chèche yon pakèt pechè pwason.’ Se sa Jewova di. ‘E yo gen pou yo peche yo. Apre sa, m ap voye chèche yon pakèt chasè. Yo gen pou yo kouri dèyè yo sou tout gwo mòn, sou tout ti mòn, e yo pral chèche yo nan tout twou ki nan mas wòch yo. [...] M ap fè yo peye nèt pou erè yo fè yo, pou peche yo fè yo.’” Ni lanmè a, ni forè yo pap kapab kache Izrayelit ki pa repanti yo anba men moun Babilòn ki vin anvayi yo. — Jer. 16:16, 18. w20.04 5 § 12-13.

Vandredi 4 mas

[Lòt] t ap pèdi tan. — Jen. 19:16.

Lòt te pran tan pou l obeyi Jewova nan yon moman kote lavi l ak lavi fanmi l te an danje. Petèt nou ka panse li pa t bay sa Jewova te di l la enpòtans, nou ka menm panse li pa t obeyisan. Men, Jewova pa t dekouraje avè l. “Jewova [te] tèlman gen pitye pou Lòt”, li te fè zanj yo pran men Lòt ak tout fanmi l pou yo fè yo soti nan vil la (Jen. 19:15, 16). Petèt Jewova te gen plizyè rezon ki fè l te santi l gen konpasyon pou Lòt. Petèt Lòt te renka pou l kite kay li paske l te pè moun ki pa deyò vil la. Te gen lòt danje tou. Petèt Lòt te konnen gen de wa ki te tonbe nan twou ki plen goudwon, nan yon vale ki te toupre a (Jen. 14:8-12). Antanke yon mari ak yon papa, Lòt dwe te enkyè pou fanmi l. Mete sou sa, Lòt te rich, donk, petèt li te gen yon bèl kay nan Sodòm (Jen. 13:5, 6). Nòmalman, pa gen youn nan bagay sa yo ki fè Lòt te gen rezon pou l pa obeyi Jewova san pèdi tan. Men, Jewova pa t rete sou erè Lòt te fè yo, li te konsidere Lòt kòm yon “moun ki jis”. — 2 Pyè 2:7, 8. w20.04 18 § 13-14.

Samdi 5 mas

Gwoup jèn gason w yo tankou gout lawouze ki tonbe douvanjou. — Sòm 110:3.

Jèn frè, sa ka pran tan pou moun ki te konnen nou lè n te timoun vin konprann nou pa timoun ankò. Men, nou mèt gen asirans Jewova pa gade nou sou aparans. Li konnen nou byen e li konn sa nou kapab fè (1 Sam. 16:7). Chèche vin pi pwòch avè l. David te fè sa, lè l te pran san l pou l gade bagay Jewova kreye yo. Li te reflechi anpil sou sa yo aprann li sou Kreyatè a (Sòm 8:3, 4; 139:14; Wom. 1:20). Yon lòt bagay nou ka fè, se konte sou Jewova pou l ban n fòs. Pa egzanp, èske gen elèv nan lekòl ou k ap pase w nan rizib paske w se Temwen Jewova? Si w ta nan yon sitiyasyon konsa, priye Jewova pou l ede w. Epi, suiv konsèy ou jwenn nan Pawòl li a, nan piblikasyon nou yo ak nan videyo nou yo. Chak fwa w wè jan Jewova ede w fè fas ak yon pwoblèm, w ap vin gen plis konfyans nan li. Mete sou sa, lè lòt moun wè jan w konte sou Jewova, y ap fè w konfyans. w21.03 4 § 7.

Dimanch 6 mas

Priyè moun ki dwat yo fè [Jewova] plezi. — Pwo. 15:8.

Lapriyè se yon lòt trezò moun pa wè. Moun ki bon zanmi renmen di youn lòt sa yo panse ak sa yo santi. Èske se menm bagay la tou pou nou menm ki zanmi Jewova? Wi! Jewova pale avè n pa mwayen Pawòl li a, ki fè n konnen sa l panse ak sa l santi. Nou pale avè l pa mwayen lapriyè e nou ka fè l konnen panse ak santiman ki pi pwofon nou genyen. Antanke yon Zanmi ki renmen nou, Jewova koute priyè nou, men tou li reponn yo. Pafwa li reponn byen vit. Gen lòt lè nou ka bezwen kontinye priye l pou yon bagay. Menm lè sa a, nou ka gen konfyans l ap reponn nan moman l dwe reponn nan e pi bon fason an. An reyalite, Bondye ka reponn nou yon fason nou pa t ap atann. Pa egzanp, olye l retire yon eprèv n ap sibi, li ka ban nou sajès ak fòs “pou nou ka andire l”. (1 Kor. 10:13.) Ki jan n ka montre rekonesans pou lapriyè ki se yon kado ki gen anpil valè? Youn nan fason n ka fè sa se lè n koute konsèy Bondye ban nou pou n “priye toutan”. — 1 Tes. 5:17. w20.05 27-28 § 7-8.

Lendi 7 mas

Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove. — Mat. 24:13.

Moun k ap patisipe nan yon kous ki byen long toujou ap gade wout ki devan yo a pou yo pa bite. Si yo tonbe, yo leve e yo kontinye kouri. Yo plis konsantre sou dènye liy lan ak rekonpans yo espere jwenn nan pase yo konsantre sou sa k te fè yo bite a. Nan kous nou ladan l lan, nou kapab bite oubyen tonbe plizyè fwa, lè n fè erè nan sa n ap di oubyen nan sa n ap fè. Oswa, moun k ap kouri nan kous la avèk nou kapab fè kèk bagay ki fè n mal. Nou pa dwe sezi si sa rive. Nou tout enpafè, e nou tout ap kouri nan chemen jennen ki mennen nan lavi a. Donk, pafwa, youn ka “frape” ak lòt e nou ka “gen dekwa pou [youn] plenyen” kont lòt (Kol. 3:13). Men, olye n konsantre sou sa k te fè nou bite a, ann konsantre sou rekonpans k ap tann nou an epi kontinye nan kous la. Si n ta vin fache, nou ta gen rankin e nou refize leve, nou pap rive travèse dènye liy lan pou n ta resevwa rekonpans lan. Mete sou sa, nou ka vin tounen yon obstak pou lòt moun k ap eseye kouri nan chemen jennen ki mennen nan lavi a. w20.04 26 § 1; 28 § 8-9.

Madi 8 mas

Wayòm sa a [...] ap kraze tout wayòm sa yo, l ap elimine yo. — Dàn. 2:44.

Pwofèt Dànyèl pale konsènan yon seri gouvènman lèzòm ki te gen yon enpak sou pèp Bondye a. Li pale de yo kòm plizyè pati nan yon gwo estati ki fèt an metal. Li fè konnen pye estati a ki fèt ak fè ki melanje ak ajil reprezante dènye gouvènman ki nan seri gouvènman sa yo. Pye yo reprezante Pisans mondyal anglo-ameriken an. Pwofesi sa a montre l ap la toujou nan moman Wayòm Bondye a ap frape gouvènman lèzòm yo e l ap detwi yo. Apot Jan pale tou sou yon seri pisans mondyal ki te gen enpak sou pèp Jewova a. Jan dekri gouvènman sa yo kòm yon bèt sovaj ki gen sèt tèt. Setyèm tèt bèt sa a reprezante Pisans mondyal anglo-ameriken an. Li enpòtan pou nou konn sa paske bèt sa a pa vin gen lòt tèt apre sa. Setyèm tèt bèt sa a ap sou pouvwa toujou lè Kris ak lame l yo ki nan syèl la pral detwi l ansanm ak tout bèt la. — Rev. 13:1, 2; 17:13, 14. w20.05 14 § 11-12.

Mèkredi 9 mas

Bondye se lanmou. — 1 Jan 4:8.

Pawòl senp sa yo fè nou sonje yon verite fondamantal: Bondye, li menm ki Sous lavi a, se li menm tou ki Sous lanmou. Jewova renmen nou! Lanmou l fè n santi nou an sekirite, nou kontan e nou santi nou byen. Yon kretyen pa ka chwazi si l ap demontre lanmou oswa si l pap fè sa. Se yon lòd li resevwa (Mat. 22:37-40). Lè nou vin konn Jewova byen, nou ka wè l fasil pou nou obeyi premye kòmandman an. Dayè, Jewova pa gen okenn enpèfeksyon nan li. Li gen sousi pou nou e li aji byen ak nou. Men, li ka pa fasil pou nou obeyi dezyèm kòmandman an. Sa k fè sa? Paske frè n ak sè n yo ki pami moun ki pi pwòch nou se moun ki enpafè. Pafwa yo ka di epi fè yon seri bagay ki ka fè nou santi yo pa enterese nan nou e yo pa aji byen ak nou. Jewova te konnen nou ka jwenn pwoblèm sa a, se sa k fè li te fè kèk moun ekri yon seri konsèy byen presi nan Bib la sou rezon ki fè nou dwe demontre lanmou youn pou lòt ak fason nou dwe fè sa. Youn nan moun sa yo se te apot Jan. — 1 Jan 3:11, 12. w21.01 8 § 1-2.

Jedi 10 mas

[Pa] bay Satan avantaj sou nou. — 2 Kor. 2:11.

Kit nou fèk kòmanse sèvi Jewova, kit nou gen anpil ane depi n ap sèvi l, nou dwe mande tèt nou: ‘Èske m fè gwo efò pou m pa kite Satan divize kè m?’ Pa egzanp, ki jan w ap reyaji si w wè yon imaj nan televizyon oswa sou Entènèt ki ka reveye dezi seksyèl lakay ou? Li ka fasil pou w di tèt ou imaj sa a oubyen fim sa a se pa pònografi. Men, èske se pa yon bagay Satan ap itilize pou l eseye divize kè w? Nou ka konpare imaj sa a ak yon ti biren yon moun itilize pou l fann yon gwo bout bwa. Okòmansman, li fè yon fason pou ti pwent lan ki file antre nan bout bwa a. Epi, ofiramezi l ap fè biren an antre pi fon, bout bwa a ap fann de bò. Èske imaj ki reveye dezi seksyèl yo pa sanble ak ti pwent biren an? Si yon moun ap gade bagay sa yo ki parèt san danje, rive yon lè sa ka fè l peche kont Jewova. Kidonk, pinga w kite anyen ki pa kòrèk antre nan kè w! Se pou w gen lakrentif pou non Jewova ak tout kè w! w20.06 11-12 § 14-15.

Vandredi 11 mas

Ede moun ki pa djanm yo pote feblès yo. — Wom. 15:1.

Frè ak sè ki inaktif yo bezwen nou kontinye ede yo. Menm jan ak tigason gaspiyè ki nan egzanp Jezi te bay la, yo ka ap soufri anpil nan domèn afektif e sa ka pran anpil tan pou yo geri (Lik 15:17-24). Petèt relasyon yo gen ak Jewova a vin febli akoz yon seri eksperyans yo te fè nan monn Satan an. Nou bezwen ede yo fòtifye lafwa yo nan Jewova. Nan egzanp ti mouton ki te pèdi a, Jezi te montre jan bèje a te mete ti mouton an sou zepòl li e li te pote l tounen nan twoupo a. Bèje a te deja pase tan e l te depanse enèji ap chèche ti mouton ki pèdi a. Men, li rann li kont l ap bezwen pote l paske ti mouton an pap gen fòs pou l tounen poukont li (Lik 15:4, 5). Nou ka bezwen depanse tan ak enèji nan ede kèk moun ki inaktif pou yo konbat feblès yo genyen. Men, grasa èd lespri Jewova, grasa Pawòl li a ak piblikasyon nou yo, nou ka ede yo retounen gen bon relasyon ak Jewova ankò. Donk, si yo ta mande w pou w fè etid ak yon moun ki inaktif, ou ta dwe kontan jwenn privilèj sa a. w20.06 28 § 14-15.

Samdi 12 mas

Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou. — Jan 13:35.

Nou chak dwe demontre lanmou, ki se siy ki fè yo rekonèt vrè kretyen yo. Men, nou bezwen gen “konesans egzak [...] avèk yon konpreyansyon total” tou (Flp. 1:9). Si nou pa fè sa, “tout van ansèyman [ka] pote nou ale adwat agoch poutèt n al koute moun ki sèvi ak trik ak riz pou twonpe nou”, san wete aposta yo (Efe. 4:14). Nan premye syèk la, lè anpil disip te sispann suiv Jezi, apot Pyè te di ak anpil konviksyon Jezi gen “pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an”. (Jan 6:67, 68.) Menm lè Pyè pa t konprann tout sa pawòl sa yo te vle di nan moman sa a, li te ret fidèl paske li te konprann laverite sou Kris. Ou menm tou, ou ka chèche vin gen plis konviksyon nan sa Bib la anseye. Si w fè sa, lafwa w ap rete byen djanm kèlkeswa sa k rive, e w ap ede lòt moun vin gen yon lafwa ki solid. — 2 Jan 1, 2. w20.07 8 § 2; 13 § 18.

Dimanch 13 mas

Timoun, youn pa dwe renmen lòt nan bouch, ni ak bèl pawòl, men se pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa. — 1 Jan 3:18.

Pou n ede frè n ak sè n yo rete nan laverite, nou dwe demontre konpasyon pou yo (1 Jan 3:10, 11, 16, 17). Youn bezwen renmen lòt, nonsèlman lè bagay yo ap mache byen, men tou lè gen pwoblèm. Pa egzanp, èske w konn yon moun ki gen yon moun pa l ki mouri e ki bezwen pou w konsole l oswa ede l yon fason pratik? Oswa èske w aprann gen kwayan parèy ou ki pèdi byen yo nan katastwòf natirèl e ki bezwen èd pou yo rekonstwi Sal Wayòm yo oswa kay yo? Nou montre nan ki degre nou renmen frè n ak sè n yo e nou gen konpasyon pou yo, nonsèlman nan sa n ap di, men, sa k pi enpòtan an, grasa sa nou fè. Nou imite Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou lè nou demontre lanmou youn pou lòt. (1 Jan 4:7, 8) Yon bon fason nou demontre lanmou se lè youn padone lòt. Pa egzanp, yon moun gendwa fè nou yon bagay ki fè nou mal apre sa li mande nou padon. Nou montre nou renmen l lè nou padone l e nou bliye sa l te fè a. — Kol. 3:13. w20.07 24 § 14-15.

Lendi 14 mas

Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis. — Tra. 24:15.

Èske chak moun pral gen yon moun pou fè etid ak yo, jan nou fè sa jodi a? Èske moun sa yo pral fè pati yon kongregasyon e yo pral resevwa fòmasyon pou yo ka anseye lòt moun k ap resisite annapre yo? N ap bezwen tann pou n wè. Men, nou konnen nan fen Rèy mil an Kris la “tè a pral plen konesans sou Jewova”. (Eza. 11:9.) Pandan Rèy mil an an, se vre n ap gen anpil travay pou n fè, sepandan, travay sa yo ap ban nou anpil kè kontan! Pandan Rèy mil an Kris la, tout pitit Jewova yo ki sou tè a pral bezwen kontinye fè chanjman nan pèsonalite yo pou yo ka fè l plezi. Konsa, yo pral kapab ede moun k ap resisite yo goumen kont move tandans yo gen lakay yo epi ede yo viv ann amoni ap prensip Jewova yo (1 Pyè 3:8). Se sèten, moun k ap resisite yo pral wè jan sèvitè Jewova yo gen imilite e jan yo pa sispann fè efò pou yo fè Jewova plezi. Yo pral met ansanm ak pèp Jewova a k ap “travay pou pwòp delivrans” yo. — Flp. 2:12. w20.08 16 § 6-7.

Madi 15 mas

Se pou chak moun egzamine sa l fè, [...] men se pa nan konparezon ak yon lòt moun. — Gal. 6:4.

Si n suiv konsèy Bondye te fè apot Pòl ekri a e n egzamine aksyon nou yo, nou gendwa kòmanse wè nou gen yon seri don ak kapasite lòt moun pa genyen. Pa egzanp, yon ansyen gendwa pa fin twò fò nan fè bèl diskou, men, li gendwa maton nan travay fè disip la. Oubyen, li gendwa pa fò nan kesyon òganize menm jan ak kèk lòt ansyen, men, li gendwa se yon ansyen ki renmen moun, e sa fè frè ak sè yo santi yo alèz pou y al kote l lè yo bezwen bon konsèy ki soti nan Bib la. Oubyen tou, li gendwa se yon ansyen yo konnen ki renmen akeyi moun (Ebre 13:2, 16). Lè n rive wè kapasite nou genyen yo, sa ap fè n kontan fè sa n kapab pou kongregasyon an. E n ap gen mwens tandans pou n anvye lòt frè ak sè ki pa gen menm don ak nou. Kèlkeswa plas nou nan kongregasyon an, nou tout dwe fè efò pou n amelyore sèvis nou e pou n anseye pi byen. w20.08 24 § 16-18.

Mèkredi 16 mas

Mwen wè yon gwo foul moun okenn moun pa t ka konte. — Rev. 7:9.

Gen yon diskou moun pa t janm bliye ki te gen tit “Gwo foul la” frè Rutherford te bay nan ane 1935 nan yon kongrè ki te fèt Wachintonn D.C., Ozetazini. Nan diskou sa a, frè Rutherford te esplike kiyès ki fè pati “gwo foul moun” Revelasyon 7:9 pale de li a. Anvan sa, yo te panse gwoup moun sa a se yon dezyèm gwoup moun ki gen pou al nan syèl ki pa fidèl nan menm nivo ak moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen yo. Frè Rutherford te sèvi ak Ekriti yo pou l esplike yo pa chwazi gwo foul moun nan pou y al viv nan syèl, men yo fè pati lòt mouton Kris genyen yo k ap ret vivan apre “gwo tribilasyon an” e ki pral viv pou toutan sou tè a (Rev. 7:14). Men pwomès Jezi te fè: “Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Yo menm tou, fòk mwen fè yo antre, y ap tande vwa m, e yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje.” ​(Jan 10:16). Moun sa yo ki tankou mouton se yon seri Temwen Jewova fidèl ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a nan Paradi a. — Mat. 25:31-33, 46. w21.01 14 § 1-2.

Jedi 17 mas

Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen. Men, moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove. — Mat. 10:22.

Nou bezwen gen disiplin si nou vle gen andirans e si nou vle fin fè travay nou gen pou n fè a (Mat. 28:19, 20). Nou pa tou fèt ak disiplin. Okontrè, byen souvan, tandans nou se fè sa k pi fasil la. Yon moun bezwen gen metriz pou l vin gen disiplin. Se sa k fè nou bezwen èd pou n fòme tèt nou pou n fè sa ki ka parèt difisil pou n fè yo. Jewova ban nou èd sa a pa mwayen lespri sen (Gal. 5:22, 23). Apot Pòl te gen disiplin. Men, li te rekonèt li te oblije “benyen” kò l ak kou pou l te ka fè sa ki dwat (1 Kor. 9:25-27). Li te ankouraje lòt moun pou yo bay tèt yo disiplin e pou yo fè tout bagay “yon fason ki konvnab e nan lòd”. (1 Kor. 14:40.) Nou dwe fè anpil efò pou n vin gen disiplin pou n ka kenbe bon abitid nou genyen nan sèvis Bondye a, sa ki gen ladan l patisipe regilyèman nan travay preche ak anseye a. — Tra. 2:46. w20.09 6-7 § 15-17.

Vandredi 18 mas

Fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon. — Mak 13:10.

Jodi a, nou kapab preche san pwoblèm nan plizyè peyi. Èske se konsa sa ye nan peyi kote w ap viv la? Si se sa, mande tèt ou: ‘Ki jan m sèvi ak libète m genyen an?’ Nan dènye jou sa yo, pèp Jewova a okipe anpil, y ap patisipe nan pi gwo travay predikasyon ak ansèyman ki potko janm fèt sou tè a. Gen anpil bagay nou kapab fè nan travay sa a. Ki jan w ka byen pwofite lè gen lapè? (2 Tim. 4:2) Li ta bon pou w egzamine sitiyasyon w pou w wè si ou menm oswa yon moun nan fanmi w ta ka fè plis nan travay predikasyon an, petèt menm pran sèvis pyonye. Kounye a se pa moman pou w ap ranmase richès ak byen materyèl, paske w pap ka pwoteje bagay sa yo pandan gwo tribilasyon an (Pwo. 11:4; Mat. 6:31-33; 1 Jan 2:15-17). Gen anpil pwoklamatè ki aprann yon nouvo lang pou yo ede lòt moun aprann konn Jewova. Òganizasyon Bondye a ede yo jwenn piblikasyon ki baze sou Bib la nan plis pase 1 000 lang! w20.09 16 § 9-11.

Samdi 19 mas

Kontinye mennen bèl konba a grasa bagay sa yo. — 1 Tim. 1:18.

Yon bon sòlda se yon sòlda ki fidèl. L ap lite pou l pwoteje yon moun li renmen oswa yon bagay li bay valè. Pòl te ankouraje Timote pou l chèche gen atachman pou Bondye, sa vle di pou l ret fidèl ak Bondye (1 Tim. 4:7). Plis nou renmen Bondye e nou atache avè l se plis n ap anvi ret atache ak laverite (1 Tim. 4:8-10; 6:6). Yon bon sòlda dwe disipline tèt li tou si li vle toujou pare pou l batay. Timote te toujou pare pou l fè sèvis Bondye paske l te suiv konsèy Bondye te enspire Pòl pou l ba li a ki te mande pou l kouri pou move dezi, pou l chèche gen bèl kalite e pou l pase tan ak kwayan menm jan avè l (2 Tim. 2:22). Sa te mande pou l gen disiplin. Nou bezwen gen disiplin pou n pot laviktwa nan gè n ap mennen kont move dezi nou genyen yo (Wom. 7:21-25). E nou bezwen gen disiplin pou n kontinye fè efò pou n voye ansyen pèsonalite a jete e pou n abiye ak nouvo a (Efe. 4:22, 24). Lè n fatige nan fen yon jounen, nou ka bezwen rele sou kò nou pou n al nan reyinyon. — Ebre 10:24, 25. w20.09 28 § 9-11.

Dimanch 20 mas

Mwen detèmine pou m toujou obeyi lwa w yo, wi, jiskaske m mouri. — Sòm 119:112.

Nou bezwen gen pasyans lè n ap ede yon etidyan pwogrese pou l vwe Bondye lavi l e pou l batize. Men, rive yon lè, nou bezwen chèche konnen si l vle sèvi Jewova Dye. Èske etidyan an montre l ap fè efò pou l obeyi kòmandman Jezi yo? Oswa èske li sèlman vle aprann kèk bagay nan Bib la? Tanzantan, egzamine pwogrè etidyan an ap fè. Pa egzanp, èske l fè konnen santiman l gen pou Jewova? Èske l priye Jewova (Sòm 116:1, 2)? Èske l renmen li Bib la (Sòm 119:97)? Èske l asiste reyinyon yo regilyèman (Sòm 22:22)? Èske l fè chanjman ki nesesè yo nan lavi l? Èske l kòmanse pataje sa l ap aprann yo ak fanmi l ak zanmi l (Sòm 9:1)? Sa k pi enpòtan an, èske l vle vin Temwen Jewova (Sòm 40:8)? Si etidyan an pap fè pwogrè nan youn nan domèn sa yo, ak ladrès, chèche konn sa k fè sa, e apre sa, pale avè l sou sa avèk jantiyès, men avèk franchiz. w20.10 18 § 14-15.

Lendi 21 mas

Sila a ki voye m nan avè m. Li pa lage m poukont mwen, paske mwen toujou fè sa ki fè l plezi. — Jan 8:29.

Papa Jezi gen nan syèl la toujou fè bon chwa, e paran Jezi te gen sou tè a te pran bon desizyon tou. Men, lè Jezi te vin gran, li te oblije fè pwòp chwa pa l (Gal. 6:5). Menm jan ak tout moun, li te gen libète pou l chwazi. Li te ka chwazi fè sa l vle olye l fè volonte Bondye. Men, li te chwazi kontinye gen bon relasyon ak Jewova. Lè Jezi te vin konnen wòl li jwe nan objektif Jewova, li te chwazi fè volonte Jewova (Jan 6:38). Li te konnen anpil moun t ap rayi l, e sa dwe te difisil pou li lè l t ap panse ak sa. Aktout sa, li te chwazi obeyi Jewova. Lè Jezi te batize nan ane 29 epòk nou an, sa k te pi enpòtan pou li se fè sa Jewova te vle l fè (Ebre 10:5-7). Menm lè Jezi t ap mouri sou poto soufrans lan, li te toujou detèmine pou l fè volonte Papa l. — Jan 19:30. w20.10 29 § 12; 30 § 15.

Madi 22 mas

Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w. — Ebre 13:5.

Èske w konn frè ak sè nan kongregasyon w lan k ap soufri paske yo malad oswa k ap fè fas ak lòt sitiyasyon difisil? Oubyen petèt yo gen yon moun pa yo ki mouri. Si nou vin konnen gen yon moun ki bezwen èd, nou ka mande Jewova ede nou pou nou di oswa fè yon bagay ki montre nou renmen moun sa a. Pawòl nou di ak aksyon nou fè gendwa se egzakteman ankourajman sa a frè nou an oswa sè nou an bezwen (1 Pyè 4:10). Nou konnen nou ka pran kouraj paske Jewova avèk nou. Li sèvi ak Jezi ak zanj yo pou l ede nou. Epitou, si sa ann amoni ak objektif Jewova, li ka sèvi ak moun ki gen otorite yo pou l ede nou. E jan anpil nan nou deja viv sa, Jewova sèvi ak lespri sen l pou l touche kè sèvitè l yo pou yo ede kwayan parèy yo. Kidonk, menm jan ak Apot Pòl, nou gen bonjan rezon pou n di avèk konfyans: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?” — Ebre 13:6. w20.11 17 § 19-20.

Mèkredi 23 mas

Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou. — Eza. 30:15.

Apot yo te gen bonjan prèv Jewova te avèk yo. Li te ba yo pisans pou yo fè mirak (Tra. 5:12-16; 6:8). Li pa fè menm bagay la pou nou jodi a. Sepandan, Jewova montre li renmen nou e li ban nou asirans pa mwayen Pawòl li a, lè n ap soufri pou sa ki jis, nou fè kè l kontan e lespri sen avèk nou. (1 Pyè 3:14; 4:14) Se sa k fè, olye pou n ret ap panse sou fason nou ka reyaji lè nou jwenn gwo pèsekisyon alavni, nou bezwen konsantre sou sa nou ka fè kounye a pou nou vin gen plis konfyans nan kapasite Jewova genyen pou l ban nou fòs e pou l delivre nou. Nou dwe gen konfyans nan pwomès Jezi te fè a. Men sa l te di: “M ap mete pawòl sajès nan bouch nou. Menmsi tout opozan nou yo ta met ansanm, yo pap ka kenbe tèt ak pawòl sa yo, yo pap ka di anyen.” Men garanti li ban nou: “Grasa andirans nou, n ap gen lavi.” ​(Lik 21:12-19). E pa janm bliye sa, Jewova sonje tout ti detay sou sèvitè l ki mouri fidèl yo. E l ap sèvi ak sa lè l ap resisite yo. w21.01 4 § 12.

Jedi 24 mas

Men espwa mwen gen nan Bondye [...] Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis. — Tra. 24:15.

Apot Pòl pa t premye moun ki te pale sou esperans rezirèksyon an. Jòb ki te yon chèf fanmi te fè sa tou. Li te gen konviksyon Bondye t ap sonje l e li t ap leve l pou l reviv ankò (Jòb 14:7-10, 12-15). “Rezirèksyon mò” yo se “baz” oswa “doktrin de baz” kwayans tout kretyen (Ebre 6:1, 2). Pòl pale de rezirèksyon an nan 1 Korentyen chapit 15. Sa l te ekri yo dwe te ankouraje kretyen premye syèk yo. E chapit sa a nan liv 1 Korentyen an kapab ban nou fòs epi ranfòse yon esperans petèt nou genyen depi byen lontan. Rezirèksyon Jezi Kris ban nou bonjan rezon pou n kwè moun pa nou yo ki mouri ap retounen viv ankò. Rezirèksyon sa a fè pati “bon nouvèl” Pòl te anonse kretyen Korent yo (1 Kor. 15:1, 2). Anfèt, li te di si yon kretyen gen dout sou rezirèksyon an, lafwa l pa t ap itil anyen. — 1 Kor. 15:17. w20.12 2 § 2-4

Vandredi 25 mas

Pyè vin sonje pawòl Jezi te di a, [...] epi, li sot deyò a, li kriye anpil. — Mat. 26:75.

Ki sa k te ede apot Pyè reprann li? Li te sonje Jezi te priye pou li pou lafwa l pa febli. Jewova te reponn priyè Jezi te fè ak tout kè l la. Annapre, Jezi te parèt devan Pyè apa, sandout pou l te ankouraje l (Lik 22:32; 24:33, 34; 1 Kor. 15:5). Apre apot yo te fin pase tout yon nuit ap fè lapèch san yo pa t pran anyen, Jezi te parèt devan yo. Nan moman sa a, Jezi te bay Pyè okazyon pou Pyè fè l konnen jan l renmen l. Jezi te padone zanmi l lan li renmen anpil e li te konfye l plis travay pou l fè (Jan 21:15-17). Fason Jezi te aji ak Pyè montre Jezi gen mizèrikòd menm jan ak Papa l. Kidonk, lè n fè erè, nou pa ta dwe panse Jewova pap janm padone nou. Nou bezwen sonje se Satan ki vle nou panse konsa. Okontrè, nou bezwen byen reflechi sou jan Jewova renmen nou, jan li konprann limit nou ak jan li vle padone nou. Epitou, nou dwe imite Papa nou ki nan syèl la lè lòt moun mal aji ak nou. — Sòm 103:13, 14. w20.12 20-21 § 17-19.

Samdi 26 mas

M ap gen konfyans nan li. — Sòm 27:3.

Nou ka aprann anpil bagay nan eksperyans moun ki pa t ret dousman e ki pa t met konfyans yo nan Jewova. Lè n egzamine move egzanp sa yo, sa ap ede n evite fè menm erè yo te fè yo. Pa egzanp, lè wa Aza te fèk kòmanse dirije peyi Jida, li te chèche èd Jewova lè l te jwenn pwoblèm. Men annapre, li pa t mande Bondye l la èd, li te pito chèche rezoud pwoblèm yo poukont li (2 Kwo. 16:1-3, 12). Yon moun te ka panse se yon bon ide lefètke Aza te mande moun peyi Siri yo vin ede l nan lagè l t apral fè ak Izrayèl la. Men, lapè li te genyen an pa t dire. Men sa Jewova te voye yon pwofèt al di l: “Kòm se sou wa Siri a ou te konte e w pa t konte sou Jewova, Bondye w la, lame wa Siri a chape nan men w.” ​(2 Kwo. 16:7). Nou dwe fè atansyon pou n pa tèlman vin gen konfyans nan fason n ap jere yon sitiyasyon nou pa kite Jewova gide nou pa mwayen Pawòl li a. Menm lè nou devan yon sitiyasyon ki mande pou n aji vit, nou bezwen ret dousman epi konte sou Jewova, e l ap ede nou pran bon desizyon. w21.01 6 § 13-15.

Dimanch 27 mas

Yo pap grangou ankò. — Rev. 7:16.

Jodi a, gen kèk moun ki fè pati pèp Jewova a k ap soufri anba grangou akoz yo pa gen ase lajan pou yo achte manje oubyen akoz latwoublay ak lagè. Gen lòt yo met nan prizon pou lafwa yo. Malgre sa, moun ki fè pati gwo foul moun nan kontan anpil lefètke yo konnen apre yo fin chape anba destriksyon monn mechan sa a, y ap toujou gen manje agogo e Jewova ap kontinye ba yo anpil fòmasyon. Lè sistèm Satan an pral detwi, gwo foul moun nan ap jwenn pwoteksyon anba kòlè Jewova ki tankou yon “gwo chalè” ki pral frape nasyon yo. Apre gwo tribilasyon an, Jezi pral mennen moun sa yo ki sou tè a, ki ret vivan, nan “dlo lavi” ki pap janm fini an (Rev. 7:17). Imajine sa: Gwo foul moun nan gen yon esperans ki san parèy. Pami tout milya moun ki te viv sou tè a, yo ka pa janm mouri (Jan 11:26)! Moun ki fè pati lòt mouton yo gen yon bèl esperans e yo gen Jewova ak Jezi rekonesans pou sa! w21.01 16-17 § 11-12.

Lendi 28 mas

Seyè a fidèl, l ap fòtifye nou e l ap pwoteje nou. — 2 Tes. 3:3.

Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a anvan l mouri, li t ap panse ak difikilte disip li yo t apral jwenn. Etandone Jezi te renmen zanmi l yo, li te mande Papa l pou l “voye je sou yo akoz Mechan an”. (Jan 17:14, 15.) Jezi te konnen, apre l fin retounen nan syèl la, Satan Ledyab t ap kontinye fè lagè ak nenpòt moun ki vle sèvi Jewova. Li klè, pèp Jewova a t ap bezwen pwoteksyon. Se kounye a nou plis bezwen pwoteksyon Jewova. Yo met Satan deyò nan syèl la, “li an kòlè anpil”. (Rev. 12:12.) Satan rive fè kèk nan moun k ap pèsekite nou yo kwè “se yon sèvis sakre yo fè pou Bondye” lè yo fè sa (Jan 16:2). Gen lòt moun ki pa kwè nan Bondye k ap pèsekite nou paske nou pa aji menm jan ak moun nan monn nan. Kèlkeswa rezon ki fè y ap pèsekite nou an, nou pa pè. Poukisa? Nou jwenn repons lan nan tèks pou jounen an. w21.03 26 § 1, 3.

Madi 29 mas

[Anyen] pap kapab separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi, Seyè nou an. — Wom. 8:39.

Tout sa Jewova fè, se lanmou ki pouse l fè yo. Jewova fè n jwenn tout sa nou bezwen pou n viv. Se lanmou ki te pouse Jewova pran dispozisyon pou l bay ranson an pou nou. Jezi li menm tèlman renmen nou, li bay lavi l pou nou (Jan 3:16; 15:13). Pa gen anyen ki ka anpeche Jewova ak Jezi renmen moun ki fidèl yo (Jan 13:1; Wom. 8:35). Menm jan an tou, tout sa yon chèf fanmi ap fè, se lanmou ki dwe pouse l fè l. Poukisa sa enpòtan anpil? Men repons apot Jan bay: “Yon moun ki pa renmen frè l [oswa fanmi l] li wè pa ka renmen Bondye li pa wè.” ​(1 Jan 4:11, 20). Nòmalman, yon gason ki renmen fanmi l e ki vle imite Jewova ak Jezi ap ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye, l ap montre yo li renmen yo e l ap fè yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv (1 Tim. 5:8). L ap bay pitit li fòmasyon ak disiplin. Epitou, l ap kontinye aprann pran desizyon ki onore Jewova e ki bon pou fanmi l. w21.02 5 § 12-13.

Mèkredi 30 mas

Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. — Sòm 55:22.

Papa nou ki nan syèl la, ki renmen nou, konnen ki jan eksperyans nou te fè ak panse negatif nou genyen gen efè sou nou. Men, li wè bon bagay ki nan kè nou tou, pa egzanp, bèl kalite nou genyen nou ka pa menm panse si nou genyen yo (1 Jan 3:19, 20). Yon moun k ap lite pou l kite yon move abitid ki anrasinen byen fon lakay li ka tonbe ladan l ankò, e sa ka fè l dekouraje. Se vre, li nòmal pou nou santi nou koupab lè nou peche (2 Kor. 7:10). Men, nou pa dwe egzajere pou n ap kondane tèt nou, epi pou n ap di: ‘Mwen se yon ka pèdi. Jewova pap janm padone m!’ Panse negatif konsa pa ann amoni ak laverite e yo ka menm fè nou sispann sèvi Jewova. Okontrè, nou bezwen “ranje bagay yo” avèk Jewova lè nou priye l e lè nou mande l pou l fè n mizèrikòd (Eza. 1:18). Si Jewova wè w repanti toutbon, l ap padone w. Epi, chèche èd ansyen yo. Y ap ede w avèk pasyans pou w vin gen bon relasyon ak Bondye ankò. — Jak 5:14, 15. w20.12 23 § 5-6.

Jedi 31 mas

Sipliye granmoun fi yo tankou se te manman w. Sipliye jèn medam yo tankou se te sè w. — 1 Tim. 5:2.

Jezi te onore fi e li te respekte yo. Li pa t suiv koutim Farizyen yo. Mesye sa yo te konn meprize medam yo e yo pa t menm konn pale avè yo devan lòt moun, alewè pou yo ta pale avèk yo sou Ekriti yo. Okontrè, Jezi te konn pale sou yon seri verite ki enpòtan ni ak fi ni ak gason (Lik 10:38, 39, 42). Epitou, li te konn kite fi yo al ansanm avè l lè l pral preche (Lik 8:1-3). E Jezi te onore fi yo lè l te mande yo pou y al fè apot yo konnen li resisite (Jan 20:16-18). Apot Pòl te fè Timote sonje jan sa enpòtan pou l onore medam yo. Pòl te rekonèt se manman Timote ak grann li ki te kòmanse ede Timote konnen “sa ki ekri nan liv sakre yo”. (2 Tim. 1:5; 3:14, 15.) Nan lèt Pòl te voye bay kretyen nan vil Wòm yo, li te voye salye plizyè sè nan non yo. Nonsèlman Pòl te remake travay sè sa yo te fè, men tou, li te di yo mèsi pou sa. — Wom. 16:1-4, 6, 12; Flp. 4:3. w21.02 15 § 5-6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje