BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es22 p. 37-46
  • Avril

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Avril
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
  • Soutit
  • Vandredi 1ye avril
  • Samdi 2 avril
  • Dimanch 3 avril
  • Lendi 4 avril
  • Madi 5 avril
  • Mèkredi 6 avril
  • Jedi 7 avril
  • Vandredi 8 avril
  • Samdi 9 avril
  • Dimanch 10 avril
  • Lendi 11 avril
  • Madi 12 avril
  • Mèkredi 13 avril
  • Jedi 14 avril
  • Dat Memoryal la
    Apre solèy la fin kouche
    Vandredi 15 avril
  • Samdi 16 avril
  • Dimanch 17 avril
  • Lendi 18 avril
  • Madi 19 avril
  • Mèkredi 20 avril
  • Jedi 21 avril
  • Vandredi 22 avril
  • Samdi 23 avril
  • Dimanch 24 avril
  • Lendi 25 avril
  • Madi 26 avril
  • Mèkredi 27 avril
  • Jedi 28 avril
  • Vandredi 29 avril
  • Samdi 30 avril
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
es22 p. 37-46

Avril

Vandredi 1ye avril

Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou. — Wom. 15:4.

Èske w ap andire yon gwo eprèv? Petèt yon moun nan kongregasyon an fè w yon bagay ki fè w mal anpil (Jak 3:2). Petèt moun nan travay ou oswa elèv nan lekòl ou ap pase w nan rizib paske w ap sèvi Jewova (1 Pyè 4:3, 4). Oswa moun nan fanmi w pa vle w al nan reyinyon oubyen pale de Jewova ak lòt moun (Mat. 10:35, 36). Si w ap fè fas ak yon eprèv ki rèd anpil, ou gendwa santi l ap pi bon si w sispann sèvi Jewova. Men, ou mèt gen asirans kèlkeswa pwoblèm ou jwenn, Jewova ap ba w sajès ak fòs pou w andire l. Jewova te fè ekri yon seri egzanp nan Pawòl li a ki montre fason moun enpafè te rive andire gwo eprèv. Poukisa l te fè sa? Se pou n kapab aprann nan egzanp moun sa yo. Se sa Jewova te pouse apot Pòl ekri. Lè n li istwa sa yo, n ap ka jwenn konsolasyon e n ap vin gen esperans. Sepandan, pou n byen pwofite yo nou bezwen fè plis pase annik li Labib, nou dwe kite Pawòl Bondye a chanje fason n panse e nou dwe kite l touche kè nou. w21.03 14 § 1-2.

Samdi 2 avril

Gade jaden yo, yo pare pou rekòt la. — Jan 4:35.

Èske w konsidere moun w ap preche bon nouvèl la tankou jaden ki pare pou rekòt? Si se konsa w konsidere yo, gen twa bagay w ap fè: Premyèman, w ap fè plis efò pou w preche. Moman rekòt se yon moman ki kout, pa gen tan pou pèdi. Dezyèmman, w ap kontan lè w wè moun yo byen reyaji devan bon nouvèl la. Men sa Bib la di: “Moun [yo] kontan lè y ap fè rekòt.” (Eza. 9:3). E twazyèmman, w ap konsidere chak moun tankou yon moun ki ka vin yon disip Jezi, konsa, w ap adapte fason w preche a pou l koresponn ak sa k enterese yo. Jezi pa t meprize Samariten yo, jan disip li yo petèt te fè sa. Men, li te wè yo kòm moun ki ka vin disip li. Nou menm tou, nou bezwen wè moun ki nan tèritwa nou yo kòm moun ki ka vin disip Kris. Apot Pòl ban nou bèl egzanp. Li te konnen kèk bagay sou kwayans moun li t ap preche yo, li te chèche konprann sa k te enterese yo, e li te wè yo kòm moun ki ka vin disip Jezi. w20.04 8-9 § 3-4.

Dimanch 3 avril

Si Jewova wè Tonm nan ak kote mò yo tounen pousyè a, Alewè pou kè moun! — Pwo. 15:11.

Olye w kritike yon moun pou sa l fè, fè tout sa w kapab pou w konprann ki jan l santi l. Sèl moun ki konprann nou nèt se Jewova. Donk, mande l ede w pou w wè lòt moun menm jan avè l e pou w konprann ki jan pou w montre konpasyon pou yo. Ou pa dwe chwazi ki frè oswa ki sè ki merite pou w demontre bonjan konpasyon pou yo. Yo tout ap fè fas ak pwoblèm e anpil nan pwoblèm sa yo sanble ak pwoblèm Jonas, Eli, Aga ak Lòt te jwenn yo. Plizyè fwa se yo menm ki lakòz yo gen pwoblèm. An reyalite, sa konn rive nou tout. Donk, li rezonab pou Jewova mande nou pou n gen konpasyon youn pou lòt (1 Pyè 3:8). Lè nou obeyi Jewova, nou kontribye pou gen inite nan bèl fanmi nou fòme toupatou sou tè a ki gen tout kalite moun ladan l. Se sa k fè, nan fason n ap aji youn ak lòt antanke frè ak sè, nou bezwen pran detèminasyon pou nou montre n enterese nan yo e pou n montre konpasyon pou yo. w20.04 18-19 § 15-17.

Lendi 4 avril

Kris li menm te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye. — 1 Pyè 2:21.

Jezi ki bay pi bèl egzanp nan obeyi Jewova. Donk, youn nan fason ki enpòtan nou obeyi Jewova se lè nou fè tout sa n kapab pou n suiv tras Jezi pye pou pye (Jan 8:29). Pou nou kontinye mache nan laverite, nou dwe gen konviksyon Jewova se Bondye verite a, e tout sa l di nou nan Pawòl li a, Labib, se laverite. Nou dwe gen konviksyon tou Jezi se Mesi li te pwomèt la. Jodi a, gen anpil moun ki pa fin kwè Bondye te chwazi Jezi kòm Wa nan Wayòm li an. Jan te fè konnen te gen “anpil blofè” ki te ka twonpe moun ki pa t pare pou yo defann laverite sou Jewova ak Jezi (2 Jan 7-11). Men sa Jan te ekri: “Kiyès ki mantè a, si se pa moun ki nye se Jezi ki Kris la?” (1 Jan 2:22). Sèl fason nou ka anpeche moun twonpe nou se lè nou etidye Pawòl Bondye a. Se sèlman si nou fè sa n ap rive konnen Jewova ak Jezi (Jan 17:3). E se sèlman lè sa a n ap ka gen konviksyon nou nan laverite. w20.07 21 § 4-5.

Madi 5 avril

Se pou nou pran desizyon pou nou pa met yon obstak devan yon frè ki ka fè l bite. — Wom. 14:13.

Yon fason nou ka evite vin “yon obstak [...] ki ka fè” moun k ap patisipe nan kous avèk nou yo “bite” se lè n aksepte pou frè n ak sè n yo gen pwennvi pa yo lè sa posib olye pou n ap ensiste pou yo fè bagay yo jan nou vle (Wom. 14:19-21; 1 Kor. 8:9, 13). Nan sans sa a, nou pa menm jan ak yon moun ki nan yon kous toutbon k ap fè efò pou se li menm ki jwenn rekonpans lan poukont li. Moun sa yo ki nan kous la, se ak tèt pa yo sèlman y ap panse. Yo ka ap eseye pouse lòt moun ki nan kous la sou kote pou yo ka pase devan. Men nou menm, nou pa nan konpetisyon youn ak lòt (Gal. 5:26; 6:4). Objektif nou se ede mezi moun nou kapab travèse dènye liy lan ansanm avèk nou pou yo jwenn lavi kòm rekonpans. Se sa k fè nou fè efò pou n aplike konsèy Bondye te enspire ki di: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” (Flp. 2:4). Jewova bay pèp li a garanti, si yo fini kous la, y ap jwenn rekonpans lan, anpalan de lavi ki pap janm fini an swa nan syèl la swa sou tè a ki pral vin yon paradi. w20.04 28 § 10; 29 § 12.

Mèkredi 6 avril

Moun sa yo se moun ki soti anba gwo tribilasyon an. — Rev. 7:14.

Plizyè milyon kretyen pral “soti anba gwo tribilasyon an” pou yo viv nan monn nouvo a. Yo pral temwen yon lòt viktwa ki pral fèt sou lanmò lè plizyè milya moun ki te mouri resisite. Imajine kè kontan ki pral genyen lè moman estrawòdinè sa a rive (Tra. 24:15)! E tout moun ki ret fidèl ak Jewova jiska lafen pral pot laviktwa tou sou lanmò yo eritye nan Adan an. Yo pral kapab viv pou toutan. Chak kretyen k ap viv jodi a ta dwe gen rekonesans pou pawòl ki bay konsolasyon Pòl te ekri kretyen Korent yo konsènan rezirèksyon an. Nou gen bonjan rezon pou n suiv konsèy Pòl te bay pou n fè tout sa n kapab “nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Si n fidèl nan travay sa a e n kontinye patisipe ladan l ak tout kè nou, nou ka espere gen yon avni kote n ap gen anpil kè kontan. Kèlkeswa jan w imajine avni sa a, l ap pi bèl lontan. Sa ap montre, anrapò ak Seyè a, nou pa t travay pou granmesi. w20.12 13 § 16-17.

Jedi 7 avril

Lame yo genyen yo rasanble pou fè lagè ak moun ki chita sou cheval la e avèk lame l la. — Rev. 19:19.

Sanble pwofesi ki nan Ezekyèl 38:10-23; Dànyèl 2:43-45; 11:44–12:1 ak Revelasyon 16:13-16, 21, ap pale konsènan menm peryòd la ak menm evènman yo. Si se vre, men sa n panse ki pral rive. Yon ti tan apre kòmansman gwo tribilasyon an, “wa ki sou tout tè a” pral met tèt yo ansanm pou yo fè yon gwoup nasyon (Rev. 16:13, 14). Gwoup nasyon sa a ap vin tounen sa Ekriti yo rele “Gòg, ki soti nan peyi Magòg”. (Eze. 38:2.) Gwoup nasyon sa a pral atake tout pèp Bondye a e y ap eseye detwi l nèt. Anrapò ak moman sa a, apot Jan te wè yon tanpèt lagrèl ki gwo anpil k ap tonbe sou ènmi Bondye yo. Lagrèl senbolik sa a se kapab yon mesaj jijman pèp Jewova a ap bay ki pral frape di k ap fè Gòg ki soti nan peyi Magòg atake pèp Bondye a nan entansyon pou l disparèt li sou tè a. — Rev. 16:21. w20.05 15 § 13-14.

Vandredi 8 avril

Si nou menm, aktout nou se pechè, nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun lespri sen si yo mande l li. — Lik 11:13.

Lespri sen Jewova se yon kado nou dwe bay anpil valè. Nou ka vin gen plis rekonesans pou lespri sen lè nou reflechi sou sa lespri sa a reyalize jodi a nan epòk nou an. Anvan Jezi monte nan syèl la, li te di disip li yo: “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen [...] jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” (Tra. 1:8). Grasa èd lespri sen, gen anviwon uit milyon edmi adoratè Jewova ki rasanble sou tout kò tè a. Mete sou sa, antanke moun k ap sèvi Bondye, nou fòme yon fanmi ki ini e ki anpè paske lespri Bondye ede nou vin gen yon seri bèl kalite, tankou lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè ak metriz. Kalite sa yo se “fwi lespri a”. (Gal. 5:22, 23.) Lespri sen se vrèman yon kado ki gen anpil valè! w20.05 28 § 10; 29 § 13.

Samdi 9 avril

Etandone se yon moun ki fè gen lanmò, se yon moun tou ki fè gen rezirèksyon. — 1 Kor. 15:21.

Nou gen anpil rezon pou n kwè moun ki pral akeyi fanmi yo ak zanmi yo ap kapab rekonèt yo. Pa egzanp, lè n konsidere fason Jewova te resisite moun nan tan lontan, li lojik pou n panse lè Jewova pral fè rezirèksyon an, moun yo ap gen menm aparans lan, y ap pale menm jan an, e y ap panse menm fason yo te konn panse anvan yo te mouri. Sonje Jezi te konpare lanmò ak lè yon moun ap dòmi, e l te konpare rezirèksyon an ak lè yon moun leve nan dòmi (Mat. 9:18, 24; Jan 11:11-13). Lè yon moun leve nan dòmi, li toujou gen menm aparans lan, menm vwa a ak menm memwa li te genyen lè l t ap dòmi an. Ann pran egzanp Laza. Li te gentan gen kat jou depi l mouri, donk kò l te gentan dekonpoze. Men, lè Jezi te resisite Laza, sè l yo te rekonèt li menm kote a, e pa gen dout Laza te rekonèt yo tou. — Jan 11:38-44; 12:1, 2. w20.08 14 § 3; 16 § 8.

Dimanch 10 avril

Se Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, ak Ti Mouton an ki sove nou. — Rev. 7:10.

Kit Bondye chwazi nou pou n al nan syèl, kit nou fè pati lòt mouton yo, nou gen menm valè nan je Bondye. Bondye renmen toule de gwoup moun sa yo menm jan. Dayè, li te peye menm pri a, anpalan de lavi Pitit li renmen anpil la, pou l rachte ni moun li chwazi pou al nan syèl yo ni moun ki fè pati lòt mouton yo. Diferans ki genyen ant de gwoup moun sa yo sèke yo pa gen menm esperans. Toule de dwe ret fidèl ak Bondye ak Kris (Sòm 31:23). Epi sonje sa, lespri Bondye kapab aji ak menm fòs la nan nou tout. Sa vle di, Jewova bay chak moun lespri sen selon sa yo chak bezwen. Jewova bay chak sèvitè l ki vwe l lavi yo yon bèl esperans pou lavni (Jer. 29:11). Memoryal lanmò Kris la bay nou chak yon bèl okazyon pou nou fè louwanj pou Bondye ak Kris pou sa yo fè pou nou pou n ka viv pou toutan. Pa gen dout, Memoryal la se okazyon ki pi enpòtan vrè kretyen yo genyen pou yo reyini ansanm. w21.01 18 § 16; 19 § 19.

Lendi 11 avril

Kontinye fè sa. — 1 Kor. 11:25.

Pifò moun ki asiste Memoryal la gen esperans pou yo viv sou tè a. Donk, poukisa yo asiste l? Menm jan yon moun al asiste maryaj yon zanmi l paske li vle montre zanmi an li renmen l e l ap soutni l, se pou menm rezon an moun ki fè pati lòt mouton yo asiste Memoryal la. Yo vle montre Kris ak moun Bondye chwazi pou y al nan syèl la yo renmen yo e y ap soutni yo. Lòt mouton yo asiste Memoryal la tou pou yo montre yo gen rekonesans pou sakrifis Jezi te fè a, yon sakrifis k ap pèmèt yo viv pou toutan sou tè a. Yon lòt rezon enpòtan ki fè moun ki fè pati lòt mouton yo asiste Memoryal la se pou yo ka obeyi lòd Jezi te bay la. Lè Jezi te fè premye Soupe Seyè a ansanm ak apot fidèl li yo, li te di yo: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m”. (1 Kor. 11:23-26.) Se sa k fè moun ki fè pati lòt mouton yo kontinye asiste Soupe Seyè a toutotan gen moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki vivan sou tè a. w21.01 17-18 § 13-14.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 9 Nizan an) Jan 12:12-19; Mak 11:1-11

Madi 12 avril

Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. — 1 Jan 4:9.

Lanmou toutbon an dwe mache ak yon seri bèl aksyon. (Konpare ak Jak 2:17, 26.) Pa egzanp, Jewova renmen nou (1 Jan 4:19). Li sèvi ak bèl pawòl ki nan Bib la pou l fè n konn sa (Sòm 25:10; Wom. 8:38, 39). Sepandan, nou gen konviksyon Bondye renmen nou, nonsèlman paske l di sa, men tou, paske li montre nou sa. Jewova te pèmèt Pitit li a li renmen anpil soufri epi mouri pou nou (Jan 3:16). Èske sa se pa yon prèv ki montre Jewova renmen nou toutbon? Nou montre nou renmen Jewova ak Jezi lè nou obeyi yo (Jan 14:15; 1 Jan 5:3). Jezi te ban nou lòd byen klè pou nou renmen youn lòt (Jan 13:34, 35). Nou dwe montre nou renmen frè n ak sè n yo, nonsèlman nan pawòl n ap di, men tou, nan fason nou aji. — 1 Jan 3:18. w21.01 9 § 6; 10 § 8.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 10 Nizan an) Jan 12:20-50

Mèkredi 13 avril

Mwen rele nou zanmi. — Jan 15:15.

Kretyen Bondye chwazi grasa lespri sen pou al nan syèl yo gen esperans pou yo ansanm avèk Jezi pou toutan e yo pral dirije ansanm avè l nan Wayòm Bondye a. Yo pral ansanm ak Kris, y ap wè l, y ap pale avè l e y ap pase tan ansanm avè l (Jan 14:2, 3). Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pral benefisye lanmou ak atansyon Jezi tou. Menm lè yo pap wè Jezi, relasyon yo gen avè l la ap vin pi solid toutpandan y ap benefisye lavi Jewova ak Jezi pral pèmèt yo jwenn nan (Eza. 9:6, 7). Lè nou aksepte envitasyon Jezi fè nou pou nou vin zanmi l, nou jwenn anpil benediksyon. Pa egzanp, nou benefisye lanmou l ak èd li depi kounye a. Nou gen esperans pou nou viv pou toutan. E sa k pi enpòtan an, amitye nou gen ak Jezi a ap pèmèt nou jwenn pi gwo trezò ki genyen an: bon relasyon ak Jewova, Papa Jezi. Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou zanmi Jezi! w20.04 25 § 15-16.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 11 Nizan an) Lik 21:1-36

Jedi 14 avril

Nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi. — 1 Kor. 15:22.

Lèt Pòl te ekri a se te pou kretyen ki t ap viv nan vil Korent Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen ki t ap gen pou yo resisite pou yo viv nan syèl. Kretyen sa yo te “vin sen ann inyon avèk Kris Jezi, [yo] menm Bondye [te] rele pou [yo] vin sen”. Pòl te pale de moun ki “ann inyon ak Kris e k ap dòmi nan lanmò”. (1 Kor. 1:2; 15:18; 2 Kor. 5:17.) Nan yon lòt lèt Bondye te fè Pòl ekri pa mwayen lespri sen, Pòl te di moun ki “ini [ak Jezi] nan yon lanmò ki sanble avèk pa l la” ap “ini avè l tou lè [yo] resisite menm jan avè l”. (Wom. 6:3-5.) Jezi te resisite antanke espri e li t al nan syèl. Se sa k ap fèt pou tout moun ki “ann inyon ak Kris”, anpalan de tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl. Pòl te fè konnen Kris te resisite an “premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo”. (1 Kor. 15:20.) Jezi se premye moun ki te leve sot nan lanmò antanke yon espri e ki resevwa lavi ki pap janm fini an. w20.12 5-6 § 15-16.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 12 Nizan an) Matye 26:1-5, 14-16; Lik 22:1-6

Dat Memoryal la
Apre solèy la fin kouche
Vandredi 15 avril

N ap toujou ak Seyè a. — 1 Tes. 4:17.

Moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki fin viv sou tè a jodi a resisite nan syèl la menm kote a. Pawòl apot Pòl te di nou jwenn nan 1 Korentyen 15:51, 52 yo montre sa. Lè moun sa yo ki frè Kris resisite, y ap kontan anpil. Labib fè nou konnen ki travay moun ki chanje “nan yon batje” yo pral fè nan syèl la. Men sa Jezi di yo: “Moun ki pote laviktwa a e ki fè sa m te konn fè yo jiska lafen, m ap ba li pouvwa sou nasyon yo, menm jan mwen resevwa pouvwa nan men Papa m. L ap dirije pèp yo ak yon baton fè, jis yo kraze tankou veso ki fèt ann ajil ki kraze fè miyèt moso.” — Rev. 2:26, 27. w20.12 12 § 14-15.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 13 Nizan an) Matye 26:17-19; Mak 14:12-16; Lik 22:7-13 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche 14 Nizan an) Jan 13:1-5; 14:1-3

Samdi 16 avril

Kris leve sot nan lanmò. — 1 Kor. 15:20.

Lè apot Pòl te di Jezi se “premye” a, li te vle di gen lòt moun apre sa ki t ap leve nan lanmò pou yo viv nan syèl tou. Donk, apot yo ak lòt moun ki “ann inyon ak Kris” t ap gen pou y al nan syèl tou (1 Kor. 15:18). Lè moman an rive, yo t ap gen pou yo resisite pou yo viv nan syèl menm jan ak Jezi. Rezirèksyon nan syèl la pou moun ki “ann inyon ak Kris” potko kòmanse lè Pòl te ekri kretyen nan vil Korent yo. Okontrè, Pòl t ap pale de yon tan ki gen pou vini. Men sa l te di: “Chak moun nan pozisyon pa l: Kris an premye, apre sa, moun ki pou Kris yo, pandan prezans li.” (1 Kor. 15:23; 1 Tes. 4:15, 16). Jodi a, n ap viv nan epòk “prezans” Kris, jan yo te anonse sa. Vrèmanvre, apot yo ak lòt kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen ki te mouri yo te dwe tann prezans sa a pou yo resevwa rekonpans yo nan syèl la e pou yo “ini [ak Jezi] lè [yo] resisite menm jan avè l” — Wom. 6:5. w20.12 5 § 12; 6 § 16-17.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 14 Nizan an) Jan 19:1-42

Dimanch 17 avril

Sa ki mouri a ka dekonpoze, sa ki leve a pa ka dekonpoze. — 1 Kor. 15:42.

Apot Pòl t ap pale de yon moun ki resisite ak yon kò ki ka viv nan syèl, sètadi “yon kò espirityèl”. (1 Kor. 15:42-44.) Lè Jezi te sou tè a, li te gen yon kò moun. Men, lè l te resisite, li te “vin tounen yon espri ki bay lavi” e li te retounen nan syèl la. Menm jan an tou, kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la ap gen pou yo resisite pou yo viv antanke espri. Men sa Pòl te esplike: “Menm jan nou pòtre sila a ki te fèt ak pousyè a, se konsa tou n ap pòtre sila a ki al nan syèl la.” (1 Kor. 15:45-49). Li enpòtan pou n sonje Jezi pa t resisite ak yon kò ki fèt ak chè. Men ki sa Pòl te di nan fen esplikasyon l t ap bay la: “Kò ki fèt ak chè ak san pa ka fè pati Wayòm Bondye a” ki nan syèl la (1 Kor. 15:50). Apot yo ansanm ak lòt moun Bondye chwazi pou al nan syèl pap resisite ak kò ki fèt ak chè ak san e ki ka dekonpoze. w20.12 10-11 § 10-12.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 15 Nizan an) Matye 27:62-66 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche 16 Nizan an) Jan 20:1

Lendi 18 avril

Lanmò, kote viktwa w la? Lanmò, kote pikan w lan? — 1 Kor. 15:55.

Bondye te fè kèk nan disip Jezi nan premye syèk la ekri konsènan esperans pou moun al viv nan syèl la. Men sa apot Jan te ekri: “Kounye a nou se pitit Bondye, men sa n ap ye a poko parèt aklè. Men nou konnen lè sila a ap parèt aklè, n ap vin tankou l.” (1 Jan 3:2). Donk, kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la pa konnen ki jan sa ap ye lè yo resisite nan syèl la antanke espri. Sepandan, lè yo resevwa rekonpans yo a y ap wè Jewova toutbon. Labib bay kèk enfòmasyon sou sa. Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap ansanm ak Kris lè l pral “elimine tout gouvènman ak tout otorite ansanm ak tout pisans”, sa gen ladan l “dènye ènmi [an,] lanmò”. Finalman, Jezi ansanm ak moun ki pral dirije ak li yo pral soumèt anba Jewova e yo pral fè tout bagay soumèt anba l (1 Kor. 15:24-28). Se pa ti bèl epòk sa a pral bèl! w20.12 8 § 2.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 16 Nizan an) Jan 20:2-18

Madi 19 avril

Men espwa mwen gen nan Bondye [...] Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis. — Tra. 24:15.

Kretyen fidèl ki pa gen esperans pou al viv nan syèl ansanm ak Kris yo gen esperans rezirèksyon an tou. Bib la di apot Pòl ak lòt moun ankò ki ale nan syèl benefisye “rezirèksyon k ap fèt pi bonè a”. (Flp. 3:11.) Èske sa pa fè n konprann ap gen yon lòt rezirèksyon apre sa? Sa t ap ann amoni ak sa Jòb te di ki t ap gen pou rive l alavni (Jòb 14:15). “Moun ki pou Kris yo, pandan prezans li”, ap nan syèl la ak Jezi lè l ap elimine tout gouvènman ak tout otorite ansanm ak tout pisans. Li gen pou l elimine menm “dènye ènmi” an, anpalan de “lanmò”. Pa gen dout, lanmò nou eritye a pap gen pouvwa ankò sou moun ki resisite pou yo viv nan syèl la. (1 Korentyen 15:23-26). Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ka met espwa nan pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Yon bagay ki klè, pa gen okenn moun ki enjis k ap ka al nan syèl. Donk, pawòl sa yo montre ap gen yon rezirèksyon sou tè a alavni. w20.12 6-7 § 18-19.

Mèkredi 20 avril

[Kris] renmen m e [li] livre tèt li pou mwen. — Gal. 2:20.

Nou gendwa ap mande tèt nou: ‘Ki jan m kapab sèten Jewova toujou renmen m?’ Nan yon sans, lè nou poze kesyon sa a, nou tou reponn li. Men sa Toudegad te di sa gen plizyè dizèn ane: “Nou [ka] wè nou bite e nou tonbe plizyè fwa akoz kèk move abitid nou genyen ki anrasinen byen fon lakay nou anvan nou te kòmanse sèvi Bondye. [...] Pa kouri di ou fè peche ki pa gen padon an. Se egzakteman rezònman sa a Satan ta renmen w fè. Lefètke w santi w tris e w fache ak tèt ou, se prèv ki montre ou pa t rive twò lwen. Pa janm sispann sipliye Bondye avèk imilite e avèk senserite pou mande l padon, pou l pirifye w e pou l ede w. Anvan Pòl te vin kretyen, li te fè yon pakèt peche grav. Pòl te sonje sa l te fè yo (1 Tim. 1:12-15). Men, li te konsidere ranson an kòm yon kado Bondye ba li pèsonèlman. Konsa, Pòl te evite pyèj ki te ka fè l santi li koupab depase limit, e li te konsantre sou bay Jewova sa l genyen ki pi bon an. w20.11 27 § 14; 29 § 17.

Jedi 21 avril

Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch. — Jak 1:5.

Satan mete divès tantasyon devan nou pou fè nou fè sa ki mal. Ki jan n ap reyaji? Li fasil pou nou panse bagay sa yo pa vrèman mal. Pa egzanp nou kapab di tèt nou: ‘Bon, si m fè sa, yo pap eskominye m, sa vle di li pa pi grav pase sa.’ Si nou ta panse konsa, nou t ap twonpe tèt nou nèt. Li t ap pi bon pou nou poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske Satan ap eseye sèvi ak tantasyon sa a pou l divize kè m? Si m kite move dezi sa yo pote m ale, èske m pa t ap sal non Jewova? Èske aksyon sa a ap fè m vin pi pwòch ak Bondye m nan oubyen èske l ap fè m pran distans mwen avè l?’ Medite sou kesyon sa yo. Priye pou w jwenn sajès pou w reponn kesyon sa yo onètman, san w pa twonpe tèt ou. Lè w fè sa, sa ka pwoteje w toutbon. Sa ka ba w kouraj pou w rejte tantasyon ou jwenn, jan Jezi te fè sa lè l te di: “Al fè wout ou, Satan!” (Mat. 4:10). Sonje sa! Li pa bon pou kè nou divize. w20.06 12-13 § 16-17.

Vandredi 22 avril

M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse, men pou l panse yon fason pou l vin gen bonsans. — Wom. 12:3.

Nou soumèt anba prensip Jewova yo avèk imilite, piske nou rann nou kont Jewova toujou konnen sa ki pi bon pou nou (Efe. 4:22-24). Imilite fè nou met volonte Jewova anvan volonte pa nou e li fè nou konsidere lòt moun siperyè nou. Sa fè nou vin gen bon relasyon ak Jewova e ak kwayan parèy nou (Fil. 2:3). Sepandan, si nou pa veye, nou ka kite moun ki nan sistèm Satan an, ki gen ògèy lakay yo e ki egoyis, enfliyanse nou. Sanble se te yon danje pou kèk moun nan premye syèk epòk nou an, paske men sa apot Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo: “M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse, men pou l panse yon fason pou l vin gen bonsans.” Pòl te rekonèt li pa mal pou n bay tèt nou valè. Men, imilite ap ede nou gen yon pwennvi ekilibre sou tèt nou. w20.07 2 § 1-2.

Samdi 23 avril

Te gen lapè nan peyi a. Pèsonn pa t vin fè lagè ak li. — 2 Kwo. 14:6.

Nan epòk wa Aza, rive yon lè, te vin pa gen lapè. Yon gwo lame ki gen plis pase yon milyon sòlda te vin atake yo. Zera, kòmandan lame sa a, te gen asirans li menm ak lame l la te kapab pot laviktwa sou peyi Jida. Men, Aza pa t met konfyans li nan kantite sòlda l te genyen, li te met konfyans li nan Jewova. Men priyè Aza te fè: “O Jewova, Bondye nou an, ede nou tanpri, paske se sou ou nou konte e se nan non w nou vin goumen ak foul moun sa a.” (2 Kwo. 14:11). Byenke lame peyi Etyopi a te gen prèske de fwa plis sòlda, Aza te konnen Jewova gen anpil pisans ak kapasite pou l aji an favè pèp Li a. E Jewova pa t fè l wont. Se pa ti imilyasyon lame peyi Etyopi a te pran lè l te pèdi lagè a (2 Kwo. 14:8-13)! Byenke nou pa konn egzakteman sa demen ap pote pou nou pèsonèlman, nou konnen kèlkeswa moman lapè pèp Bondye a ap pwofite se pou yon ti tan. Anfèt, Jezi te anonse, nan dènye jou yo, “tout nasyon [t] ap rayi” disip li yo. — Mat. 24:9. w20.09 17-18 § 14-16.

Dimanch 24 avril

Mwen kontan anpil [...] lè y ap joure m. — 2 Kor. 12:10.

Pèsonn pa renmen lè yo joure yo. Men, si ènmi nou yo joure nou, e n kite sa yo di yo ban nou anpil pwoblèm, nou ka vin dekouraje (Pwo. 24:10). Donk, ki jan n dwe konsidere vye pawòl moun ki opoze avè n yo di nou? Menm jan ak apot Pòl, nou ka “kontan anpil [...] lè y ap joure” nou. Paske jouman ak opozisyon se siy ki montre nou se vrè disip Jezi (1 Pyè 4:14). Jezi te di yo t ap pèsekite disip li yo (Jan 15:18-20). Sa te rive nan premye syèk la. Moun ki te kite filozofi grèk la enfliyanse yo te konsidere kretyen yo kòm moun ki pa entèlijan e ki fèb. Gen Juif ki te konsidere yo kòm moun ki “pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”. (Tra. 4:13.) Kretyen yo te parèt fèb. Yo pa t nan politik, yo pa t antre nan lame, e moun pa t ba yo valè nan sosyete a. Èske premye kretyen sa yo te kite santiman negatif opozan yo te genyen bloke yo? Non. w20.07 14-15 § 3-4.

Lendi 25 avril

Annou kontinye gen lanmou youn pou lòt, paske se nan Bondye lanmou soti, e tout moun ki gen lanmou se pitit Bondye, e yo konnen Bondye. — 1 Jan 4:7.

Apot Jan te santi l gen anpil lanmou pou frè l yo e l gen anpil sousi pou yo. Nou ka wè sa nan konsèy li te ba yo nan toule twa lèt Bondye te pouse l ekri yo. Sa vrèman ankourajan lè n konnen se yon seri gason ak fi, ki gen lanmou menm jan avè l, Bondye chwazi pou al dirije ak Kris nan syèl la! (1 Jan 2:27) Ann bay konsèy li te bay yo anpil enpòtans. Ann pran detèminasyon pou n mache nan laverite, pou n obeyi Jewova nan tout aspè nan lavi n. Etidye Pawòl li a, epi fè Pawòl la konfyans. Chèche gen yon lafwa solid nan Jezi. Rejte ansèyman lèzòm yo ak ansèyman aposta yo. Pa janm fè kòmsi w ap sèvi Jewova toutpandan w ap fè move bagay, epi pa koute moun k ap eseye fòse w fè sa k pa bon. Viv ann amoni ak prensip moral wo nivo Jewova yo. Epi, annou ede frè n ak sè n yo rete djanm lè n padone moun ki fè nou sa ki mal e lè n ede moun ki nan bezwen. Lè sa a, menm lè n jwenn difikilte, n ap kontinye mache nan laverite. w20.07 24-25 § 15-17.

Madi 26 avril

Bondye bay chak manm yo plas yo nan kò a, jan sa fè l plezi. — 1 Kor. 12:18.

Jewova bay chak sèvitè l ki fidèl yon plas nan kongregasyon an paske li renmen yo. Byenke nou tout pa gen menm wòl, nou chak enpòtan e n bezwen youn lòt. Apot Pòl te fè konnen aklè pa gen nou youn ki ka di yon lòt sèvitè Jewova: “Mwen pa bezwen [w].” (1 Kor. 12:21). Si n vle gen lapè nan kongregasyon an, nou dwe bay youn lòt valè e n dwe travay ansanm (Efe. 4:16.). Lè n travay nan tèt ansanm, gen anpil kè kontan nan kongregasyon an e youn pouse lòt gen lanmou. Se Jewova ki nome tout ansyen yo pa mwayen lespri sen. Poutan, yo tout pa gen menm don ak kapasite (1 Kor. 12:17). Gen nan yo ki gendwa fèk nome e ki manke eksperyans. Gen lòt ki gendwa pa ka fè tout sa yo ta renmen akoz laj ak pwoblèm sante. Aktout sa, okenn ansyen pa dwe panse yon lòt ansyen pa itil, pou l ta di l: “Mwen pa bezwen [w].” Okontrè, chak ansyen dwe suiv konsèy apot Pòl te bay nou jwenn nan Women 12:10 la. w20.08 26 § 1-2; 27 § 4.

Mèkredi 27 avril

Monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat. — 1 Kor. 7:31.

Jewova sèvi ak pati nan òganizasyon l lan ki sou tè a pou l gide nou sou wout lavi a. Lè òganizasyon Bondye a ban nou yon nouvo esplikasyon sou yon ansèyman ki soti nan Bib la oswa lè l ban nou direksyon sou prensip moral yo, nou aksepte yo e nou aplike yo. Men, ki jan nou reyaji lè l fè yon chanjman ki konsène lòt aspè nan lavi nou? Pa egzanp, si yo ta vann Sal Wayòm nou konn reyini an? N ap kontinye gen kè kontan si n sonje se pou Jewova n ap travay e se li k ap dirije òganizasyon l lan (Kol. 3:23, 24). Wa David te bay yon bèl egzanp lè l te bay kòb pou konstwi tanp lan. Men sa l te di: “Kiyès mwen ye e kiyès pèp mwen an ye ki fè nou kapab fè ofrann pou ou ak tout kè nou jan nou fè l la? Tout bagay soti nan ou. Sa nou ba ou yo se nan ou yo soti.” (1 Kwo. 29:14). Lè nou fè ofrann, nou bay Jewova sa li te deja ban nou. Aktout sa, Jewova kontan anpil lè nou bay tan nou, fòs nou ak sa n posede pou soutni travay li vle ki pou fèt la. — 2 Kor. 9:7. w20.11 22-23 § 14-16.

Jedi 28 avril

Moun ki ret ap gade nyaj yo pap fè rekòt. — Ekl. 11:4.

Se pa kantite moun nou ede vin nan òganizasyon Bondye a ki fè n konnen nou jwenn bon rezilta (Lik 8:11-15). Depi n kontinye preche bon nouvèl la e n kontinye anseye lòt moun, Jewova ap wè nou reyisi nan travay li ban nou fè a. Paske nou obeyi l e nou obeyi Pitit Gason l lan (Mak 13:10; Tra. 5:28, 29). Kounye a se moman pou n fè pi vit toujou pou n preche: Sistèm sa a prèske rive nan bout li! Se yon tikras tan ki rete pou n patisipe nan travay sa a ki kapab sove lavi moun. Pa di w a gen tan oswa pa ret ap tann sitiyasyon w vin pi bon anvan w patisipe nan travay enpòtan sa a. Kounye a se moman pou w pran detèminasyon pou w preche, pou w aprann plis bagay sou Bib la, pou w met kouraj sou ou e pou w chèche gen disiplin. Gen plis pase uit milyon moun k ap preche bon nouvèl la toupatou sou tè a. Vin travay ansanm ak yo, konsa w ap jwenn lajwa Jewova bay la (Ney. 8:10; Lik 5:10). Se pou w pran detèminasyon pou w fè tout sa w kapab nan travay sa a jiskaske Jewova di travay la fini. w20.09 7 § 18-20.

Vandredi 29 avril

Konsève sa yo konfye w la. — 1 Tim. 6:20

Nou pa dwe kite anvi pou n gen plis bagay materyèl fè n vin distrè. “Pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” ka toufe lanmou nou gen pou Jewova, rekonesans nou gen pou Pawòl li a ak anvi nou genyen pou n pataje l ak lòt moun (Mat. 13:22). Si n vle pwoteje sa Jewova konfye nou yo, nou dwe aji san pèdi tan lè n wè danje. Nou kapab prepare n alavans pou n konn ki sa n ap fè si n ta tonbe sou yon sèn ki imoral, ki gen vyolans oswa sou enfòmasyon aposta yo ap gaye pandan n sou Entènèt oubyen pandan n ap gade yon fim oswa yon emisyon nan televizyon. Si n gentan prepare lespri n, n ap kapab aji byen vit pou n pwoteje relasyon n ak Jewova e pou n rete pwòp nan je l (Sòm 101:3; 1 Tim. 4:12). Nou dwe konsève bagay Jewova konfye n ki gen anpil valè yo, sa vle di bèl verite ki nan Bib la ak responsablite pou n anseye lòt moun verite sa yo. Lè n fè sa, konsyans nou ap anpè, lavi n ap gen sans toutbon e n ap kontan ede lòt moun aprann konnen Jewova. w20.09 30 § 16-19.

Samdi 30 avril

N ap wè [Gran Pwofesè] nou an ak pwòp je nou. — Eza. 30:20.

Èske w batize? Si se wi, lè w te fè sa, ou te montre tout moun ou gen lafwa nan Jewova e w vle sèvi l nan òganizasyon l lan. Jodi a, fason Jewova ap dirije òganizasyon l lan fè pèsonalite l, objektif li ak prensip li yo parèt aklè. Note twa nan kalite Jewova genyen ki parèt aklè nan òganizasyon l lan. Premyèman, “Bondye pa gen patipri”. (Tra. 10:34.) Se lanmou ki te pouse Jewova bay Pitit li a “kòm yon ranson” pou tout moun (1 Tim. 2:6; Jan 3:16). Jewova sèvi ak pèp li a pou preche tout moun ki vle koute bon nouvèl la. Konsa, L ap ede plis moun posib benefisye ranson an pou yo ka sove. Dezyèmman, Jewova se yon Bondye ki gen lòd e se yon Bondye lapè (1 Kor. 14:33, 40). Kidonk, nou dwe atann pou moun k ap adore l yo sèvi l antanke yon gwoup ki òganize e ki gen lapè. Twazyèmman, Jewova se “Gran Pwofesè” a (Eza. 30:21). Se sa k fè òganizasyon l lan fè anpil efò pou anseye lòt moun Labib, Pawòl li a, e yo fè sa ni nan kongregasyon an ni lè y ap preche. w20.10 20 § 1-3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje