BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es22 p. 47-57
  • Me

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Me
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
  • Soutit
  • Dimanch 1ye me
  • Lendi 2 me
  • Madi 3 me
  • Mèkredi 4 me
  • Jedi 5 me
  • Vandredi 6 me
  • Samdi 7 me
  • Dimanch 8 me
  • Lendi 9 me
  • Madi 10 me
  • Mèkredi 11 me
  • Jedi 12 me
  • Vandredi 13 me
  • Samdi 14 me
  • Dimanch 15 me
  • Lendi 16 me
  • Madi 17 me
  • Mèkredi 18 me
  • Jedi 19 me
  • Vandredi 20 me
  • Samdi 21 me
  • Dimanch 22 me
  • Lendi 23 me
  • Madi 24 me
  • Mèkredi 25 me
  • Jedi 26 me
  • Vandredi 27 me
  • Samdi 28 me
  • Dimanch 29 me
  • Lendi 30 me
  • Madi 31 me
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
es22 p. 47-57

Me

Dimanch 1ye me

Li kontinye soumèt devan yo. — Lik 2:51.

Lè Jezi te yon jèn tigason, li te chwazi obeyi paran l yo. Li pa t janm dezobeyi yo, kòmkwa li ta panse li konn plis pase yo. Pa gen dout, Jezi te pran responsablite l oserye antanke premye pitit. Se sèten, li te travay di pou l aprann yon metye nan men papa adoptif li pou l te ka ede fanmi l. Petèt paran Jezi yo te fè l konnen se grasa yon mirak li te fèt, e petèt yo te rakonte l sa mesaje Bondye te voye yo te di lè l te fèt (Lik 2:8-19, 25-38). Jezi pa t kontante l ak sa yo te di l. Li te konn etidye Ekriti yo tou. Ki jan nou fè konnen Jezi te renmen etidye Pawòl Bondye a? Paske, lè l te yon jèn tigason, anseyan nan Jerizalèm yo “te ret bouch ouvè lè yo wè jan l te konprann bagay yo e devan repons li t ap bay”. (Lik 2:46, 47.) Lè Jezi te gen 12 an sèlman, li te gentan gen konviksyon se Jewova ki Papa l. — Lik 2:42, 43, 49. w20.10 29-30 § 13-14.

Lendi 2 me

Kris te leve sot nan lanmò. — 1 Kor. 15:12.

Rezirèksyon Jezi bay kretyen yo bonjan rezon pou yo kwè moun ki mouri yo ap retounen viv ankò. Lè apot Pòl te fèk kòmanse pale de rezirèksyon an, li te pale sou twa bagay ki te fèt toutbon: 1) “Kris te mouri pou peche nou.” 2) “Yo te antere l.” 3) “Bondye te leve l sou twazyèm jou a ann amoni ak Ekriti yo.” (1 Kor. 15:3, 4). Ki sa lanmò Jezi, antèman l ak rezirèksyon l vle di pou nou? Pwofèt Ezayi te anonse “yo [t ap] retire [Mesi a] pami moun ki vivan yo” e “yo [t ap] ba l yon kavo bò kot mechan yo”. Sepandan, gen yon lòt bagay ki te dwe fèt. Pwofèt Ezayi te di Mesi a t ap pote “peche anpil moun”. Jezi te fè sa lè l te bay lavi l kòm ranson (Eza. 53:8, 9, 12; Mat. 20:28; Wom. 5:8). Se sa k fè lanmò Jezi, antèman l ak rezirèksyon l se yon baz solid pou esperans nou genyen pou nou libere anba peche ak lanmò e pou nou viv ansanm ak moun pa nou yo ki te mouri. w20.12 2-3 § 4-6; 5 § 11.

Madi 3 me

Mwen menm, plis pase tout lòt moun, mwen gen rezon pou m mete konfyans mwen nan lachè. Si nenpòt lòt moun panse li gen rezon pou l mete konfyans li nan lachè, mwen gen plis rezon toujou pou m ta fè sa. — Flp. 3:4.

Apot Pòl te preche souvan nan sinagòg juif yo. Pa egzanp, “pandan twa saba, li [te] rezone avèk [Juif] yo sou Ekriti yo” nan sinagòg ki te Tesalonik la (Tra. 17:1, 2). Sandout Pòl te santi l alèz nan sinagòg la. Li te leve nan relijyon juif la (Tra. 26:4, 5). Pòl te ka konprann Juif yo, se sa k fè l te alèz pou l preche yo (Flp. 3:5). Apre moun ki t ap pèsekite Pòl yo te fòse l kite Tesalonik e apre yo te fòse l kite Bere, li t al Atèn. Yon lòt fwa ankò, “li [te] kòmanse rezone nan sinagòg la avèk Juif yo ansanm ak lòt moun ki t ap adore Bondye yo”. (Tra. 17:17.) Men, pandan Pòl t ap preche sou plas piblik la, te vin gen lòt kalite moun k ap tande l. Pami moun ki t ap koute l yo, te gen filozòf ak moun lòt nasyon ki te konsidere mesaj Pòl yo kòm yon “nouvo ansèyman”. Yo te di l: “Ou vin ak kèk bagay ki sonnen dwòl nan zòrèy nou.” — Tra. 17:18-20. w20.04 9 § 5-6.

Mèkredi 4 me

Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen. — Wom. 7:21.

Pa kondane tèt ou si w ap lite ak yon feblès. Sonje pa gen okenn nan nou ki ka kanpe devan Bondye pou n di nou pa janm fè peche. Nou tout bezwen favè san parèy Bondye a pa mwayen ranson an (Efe. 1:7; 1 Jan 4:10). Epi, nou ka chèche jwenn ankourajman nan men frè n ak sè n yo nan kongregasyon an! Yo ka koute nou lè nou bezwen pale e yo ka di nou pawòl ki ankouraje nou (Pwo. 12:25; 1 Tes. 5:14). Gen yon sè nan peyi Nijerya ki rele Joy ki t ap lite ak dekourajman. Men sa l di: “Ki sa m t ap fè san frè m ak sè m yo? Yo se prèv ki montre Jewova reponn priyè m. Yo menm aprann mwen fason pou m ankouraje lòt moun ki dekouraje.” Sepandan, nou bezwen sonje frè n ak sè n yo pa toujou konnen lè nou bezwen ankourajman. Donk, nou ka bezwen pran inisyativ pou n al kot yon kwayan parèy nou ki gen matirite pou n fè l konnen nou bezwen l ede nou. w20.12 23-24 § 7-8.

Jedi 5 me

Mwen rele nou zanmi. — Jan 15:15.

Nòmalman, pou w vin bon zanmi yon moun, ou bezwen pase tan ak moun sa a. Tank youn ap pale ak lòt sou sa n panse ak sa n santi, se tank n ap vin zanmi. Men, gen kèk bagay ki fè l pa fasil pou n vin bon zanmi Jezi. Youn nan bagay sa yo sèke nou pa t rankontre Jezi pèsonèlman. Anpil kretyen nan premye syèk la te gen menm difikilte a. Malgre sa, apot Pyè te di: “Byenke nou pa janm wè l, nou renmen l. Byenke nou pa wè l kounye a, nou demontre nou gen lafwa nan li.” (1 Pyè 1:8). Donk, li posib pou n vin bon zanmi Jezi menmsi n pa t rankontre l pèsonèlman. Mete sou sa, nou pa kapab pale ak Jezi. Lè n ap priye, se ak Jewova nou pale. Se vre, nou priye nan non Jezi, men nou pa pale avè l dirèkteman. Anfèt, Jezi pa vle nou priye l. Paske lapriyè se yon fòm adorasyon e se Jewova sèlman nou dwe adore (Mat. 4:10). Aktout sa, nou ka demontre lanmou pou Jezi. w20.04 20 § 1-3.

Vandredi 6 me

[Bondye] ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm. — 1 Pyè 5:10.

Moun ki te konn patisipe nan kous yo te konn fè nan peyi Lagrès yo te dwe fè fas ak yon seri difikilte tankou fatig ak doulè. Men, yo te dwe mete tout konfyans yo nan fè antrènman e yo te dwe konte sou pwòp fòs yo. Menm jan ak moun ki te konn patisipe nan kous yo, nou fè antrènman pou n konn fason pou n kouri nan kous nou ye a. Men, nou gen yon avantaj sou moun ki nan kous toutbon yo. Nou menm, nou jwenn fòs nan Jewova ki gen yon fòs ki san limit. Si nou met konfyans nou nan Jewova, li pwomèt l ap antrene nou, men tou, l ap fè nou vin djanm! Pòl te oblije fè fas ak anpil difikilte. Nonsèlman lòt moun te konn manke l dega e yo te konn pèsekite l, men pafwa, li te konn santi l fèb, e li te oblije fè fas ak sa li te rele “yon pikan nan chè” l (2 Kor. 12:7). Men, olye l te wè difikilte sa yo kòm yon rezon pou l kite sa, li te konsidere yo kòm yon okazyon pou l met konfyans li nan Jewova (2 Kor. 12:9, 10). Piske Pòl te gen atitid sa a, Jewova te ede l andire tout eprèv li te jwenn. w20.04 29 § 13-14.

Samdi 7 me

Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m [...] pa rale l vini. — Jan 6:44.

“Travay ansanm ak” Jewova ak pati òganizasyon l lan ki nan syèl la se yon trezò moun pa wè (2 Kor. 6:1). Nou fè sa chak fwa nou patisipe nan travay fè disip la. Men sa Pòl te di anpalan de li menm ak lòt moun k ap patisipe nan travay sa a: “Nou se konpayon travay Bondye.” (1 Kor. 3:9). Lè n patisipe nan travay predikasyon an, nou menm tou nou se konpayon travay Jezi. N ap sonje, lè Jezi te fin mande disip li yo pou yo “fè disip pami moun tout nasyon”, li te di yo: “Mwen avèk nou.” (Mat. 28:19, 20). Ki sa n ka di konsènan zanj yo? Se yon gwo benediksyon pou n jwenn direksyon nan men zanj yo pandan n ap bay “yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou [...] moun ki abite sou tè a”! (Rev. 14:6.) Ki sa ki akonpli grasa èd nou jwenn ki sot nan syèl la? Pandan n ap simen mesaj Wayòm nan, gen kèk grenn ki tonbe nan bon kè e ki grandi (Mat. 13:18, 23). Kiyès ki fè grenn verite sa yo grandi epi bay fwi? Jezi bay repons lan nan tèks pou jounen an. w20.05 30 § 14-15.

Dimanch 8 me

Sispann konfòme nou ak sistèm sa a. — Wom. 12:2.

Plizyè milyon fanmi divize akoz divòs. Menm fanmi k ap viv nan menm kay ka santi yo se etranje youn pou lòt. Gen yon moun ki konn bay fanmi konsèy ki di: “Manmi, papi ak pitit, yo chak dekonekte youn ak lòt e yo konekte ak yon ekran òdinatè, yon tablèt, yon telefòn entèlijan oswa yon jwèt videyo. Byenke fanmi sa yo ap viv nan menm kay, youn pa vrèman konn lòt.” Nou pa vle kite monn nan ki san lanmou enfliyanse nou. Okontrè, nou bezwen gen gwo afeksyon nonsèlman pou moun nan fanmi nou, men tou, pou frè n ak sè n yo nan kongregasyon an (Wom. 12:10). Ki sa gwo afeksyon vle di? Se yon ekspresyon yo sitou itilize pou yo esplike bèl amitye ki genyen ant moun ki fanmi pwòch. Se menm lanmou sa a nou dwe gen pou moun ki fanmi nou nan lafwa, anpalan de frè n ak sè n yo nan kongregasyon an. Lè nou demontre gwo afeksyon pou yo, nou kontribye pou gen inite, yon bagay ki enpòtan anpil nan vrè adorasyon an. — Miche 2:12. w21.01 20 § 1-2.

Lendi 9 me

Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w. — Sòm 86:11.

Li pi fasil pou yon ekip ki gen tèt ansanm reyisi olye pou yon ekip ki gen kèk jwè ki pa antann yo youn ak lòt reyisi. Kè w kapab menm jan ak ekip sa a ki reyisi si gen amoni ant panse w, dezi w ak santiman w nan sèvis w ap bay Jewova a. Pa bliye Satan ta renmen divize kè w. Li ta renmen pou panse w, dezi w ak santiman w pa ale nan menm sans e pou yo dozado ak prensip Jewova yo. Men, se ak tout kè w ou bezwen sèvi Jewova (Mat. 22:36-38). Pa janm kite Satan divize kè w! Menm jan ak David, priye Jewova pou w mande l: “Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w.” Fè tout sa w kapab pou w viv ann amoni ak priyè sa a. Chak jou ou bezwen pran detèminasyon pou desizyon w pran, kit yo piti kit yo gwo, montre w gen gwo respè pou non Jewova, yon non ki sen. Antanke Temwen Jewova, lè w fè sa, w ap onore non sa a (Pwo. 27:11). E nou tout ap kapab di menm pawòl pwofèt Miche te di a: “N ap mache nan non Jewova, Bondye nou an, pou tout tan gen tan.” — Miche 4:5. w20.06 13 § 17-18.

Madi 10 me

L ap an kòlè anpil, l ap soti pou l elimine anpil moun e pou l detwi yo. — Dàn. 11:44.

Atak sa a wa nò a ap fè a, ansanm ak rès gouvènman nan monn nan, ap fè Toupisan an fache e sa ap mennen nan lagè Amagedon (Rev. 16:14, 16). Nan moman sa a, wa nò a, ansanm ak rès nasyon yo ki fè pati Gòg ki soti nan peyi Magòg, ap detwi e pap gen “pèsonn pou ede l”. (Dàn. 11:45.) Vèsè ki vin apre nan istwa Dànyèl rapòte a bay plis detay sou fason wa nò a ak patizan l yo pral detwi ak fason nou pral delivre. (Dàn. 12:1) Ki sa vèsè sa a vle di? Mikayèl se yon lòt non Kris Jezi, Wa nou an k ap dirije a, genyen. L ap “aji pou byen” pèp Bondye a depi ane 1914 lè l te vin Wa nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la. Talè konsa, li pral “leve kanpe” sa vle di li pral detwi ènmi l yo nan lagè Amagedon. Lagè sa a se pral dènye pi gwo evènman nan listwa Dànyèl rele “tan kote ap gen anpil malè”. — Rev. 6:2; 7:14. w20.05 15-16 § 15-17.

Mèkredi 11 me

Yo te desann ak Jozèf ann Ejip. — Jen. 39:1.

Lè Jozèf te esklav e yo te mete l nan prizon, li pa t ka fè anyen pou l chanje sitiyasyon l. Ki sa k te ede l rete pozitif? Olye l te ret konsantre sou sa l pa t ka fè ankò, li te met tout kè l nan travay yo ba l fè yo. Jozèf te toujou konsidere Jewova kòm Moun ki pi enpòtan nan lavi l. Se sa k fè Jewova te beni tout sa Jozèf fè (Jen. 39:21-23). Istwa Jozèf la fè n sonje jan monn sa a gen mechanste e moun ap gen pou fè nou enjistis. Menm yon kwayan parèy nou ka mal aji avèk nou. Men, si n konsidere Jewova kòm Mas Wòch nou oswa Refij nou, nou pap dekouraje e nou pap sispann sèvi l (Sòm 62:6, 7; 1 Pyè 5:10). Sonje tou, Jozèf te ka gen anviwon 17 an lè Jewova te fè l fè rèv sa yo. Sa montre Jewova fè sèvitè l ki jèn yo konfyans. Jodi a, gen anpil jèn ki menm jan ak Jozèf. Yo menm tou yo gen lafwa nan Jewova. Gen kèk ladan yo ki menm pran prizon san rezon, paske yo pa vle sispann obeyi Bondye. — Sòm 110:3. w20.12 16 § 3; 17 § 5, 7.

Jedi 12 me

Yo fè apot yo vini, yo bat yo, apre sa, yo ba yo lòd pou yo sispann pale nan non Jezi. — Tra. 5:40.

Apot Pyè ak apot Jan te konsidere se yon onè pou yo pèsekite yo poutèt y ap suiv Jezi e poutèt y ap fè lòt moun konn ansèyman l yo (Tra. 4:18-21; 5:27-29, 41, 42). Disip yo pa t gen okenn rezon pou yo wont. Menmsi moun nan epòk la pa t gen respè pou premye kretyen yo, kretyen sa yo te fè plis bagay pou ede lòt moun pase kèlkeswa moun ki te opoze ak yo. Pa egzanp, liv Bondye te enspire kèk nan kretyen sa yo pou yo ekri yo kontinye ede plizyè milyon moun, e liv sa yo fè yo gen esperans. Nonsèlman Wayòm yo te konn pale de li a egziste jodi a, men talè konsa, li pral dirije tout limanite (Mat. 24:14). Pisans politik ki t ap pèsekite kretyen yo gen anpil tan depi l pa egziste ankò, alòske disip fidèl sa yo se wa nan syèl la kounye a. Sepandan, moun ki te opoze avèk yo mouri depi lontan. Si jamè y ap resisite, se anba dominasyon Wayòm kretyen yo t ap preche a yo pral viv. — Rev. 5:10. w20.07 15 § 4.

Vandredi 13 me

[Abraram] t ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l. — Ebre 11:10.

Abraram te tèlman gen yon lafwa solid nan pwomès Bondye yo, se kòmsi li te ka wè Sila a Jewova chwazi a, oswa Mesi a, ki t ap gen pou l vin Wa nan Wayòm Bondye a. Se pou sa, Jezi te kapab di Juif nan epòk li a: “Abraram, papa nou, te rejwi anpil poutèt li te gen espwa l ap wè jou m nan, e li te wè l e li te rejwi.” (Jan 8:56). Li klè, Abraram te konnen desandan l yo t ap fè pati yon Wayòm Jewova t ap tabli e li te dispoze tann Jewova reyalize pwomès sa a. Ki jan Abraram te montre li t ap tann vil oswa Wayòm se Bondye ki fè plan l lan? Toudabò, Abraram pa t vin sitwayen okenn wayòm sou tè a. Li te konn deplase sot nan yon zòn al nan yon lòt, li pa t ret yon kote fiks e li pa t janm soutni okenn gouvènman lèzòm. Mete sou sa, li pa t eseye tabli pwòp wayòm pa l. Okontrè, li te kontinye obeyi Jewova, e li t ap tann pou Jewova reyalize pwomès Li fè a. Konsa, Abraram te montre li gen yon lafwa estrawòdinè nan Jewova. w20.08 3 § 4-5.

Samdi 14 me

Yon moun ki mouri peye pou peche l. — Wom. 6:7.

Jewova pwomèt nan Paradi a pap gen okenn moun anba gouvènman Kris la k ap di: “Mwen malad.” (Eza. 33:24). Se sa k fè, moun Jewova pral resisite yo ap gen yon kò ki an sante. Sepandan, yo pap pafè menm kote a. Si se ta sa, fanmi yo ak zanmi yo ta gendwa pa rekonèt yo. Sanble, se tikras pa tikras lèzòm ap vin pafè pandan Rèy mil an Kris la. Se nan fen Rèy mil an an Jezi pral remèt Papa l Wayòm nan. Lè sa a, Wayòm nan ap gentan fin fè tout sa l gen pou l fè, sa gen ladan l fè lèzòm vin pafè (1 Kor. 15:24-28; Rev. 20:1-3). Imajine jan w pral santi w lè w pral akeyi moun ou renmen yo ki te mouri! Èske w ap ri oswa w ap kriye, tèlman w ap kontan? Èske w ap tèlman kontan w ap chante pou w bay Jewova louwanj? Se sèten nou pral santi nou gen yon gwo lanmou pou Papa nou an ak Pitit li a, yo menm ki renmen nou e ki fè rezirèksyon an posib. w20.08 16-17 § 9-10.

Dimanch 15 me

Bondye bay chak moun don pa yo, youn jwenn li yon jan, lòt la jwenn li yon lòt jan. — 1 Kor. 7:7.

Apot Pòl te ankouraje kretyen yo reflechi ak posiblite pou yo ret selibatè pandan y ap sèvi Jewova (1 Kor. 7:7-9). Pa gen dout, Pòl pa t fè kretyen ki selibatè yo santi yo manke yon bagay. Li te bay Timote, yon jèn frè selibatè, gwo responsablite (Flp. 2:19-22). Se sa k fè li pa t ap bon pou n panse yon frè pi kalifye oswa mwens kalifye senpleman paske li marye oswa li pa marye (1 Kor. 7:32-35, 38). Ni Jezi, ni Pòl pa t janm fè konnen yon kretyen dwe marye oswa ret selibatè. Kidonk, ki sa nou kapab di lè yon kretyen chwazi marye oswa l chwazi ret selibatè? Gen yon bèl kòmantè sou sa nan Toudegad 1ye oktòb 2012 (fransè). Men sa l di: “An reyalite, [maryaj ak seliba] se kado Bondye bay. [...] Jewova pa panse [moun ki selibatè yo] dwe wont oswa tris.” Kidonk, nou dwe respekte frè ak sè nan kongregasyon an ki selibatè. w20.08 28 § 8-9.

Lendi 16 me

Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, [...] se sèl Papa a ki konnen yo. — Mat. 24:36.

Nan kèk peyi, gen anpil moun ki vle aprann plis lè yo tande bon nouvèl la. E se sa yo t ap tann! Nan anpil lòt peyi, moun yo pa tèlman enterese nan Bondye oswa nan Bib la. Ki jan pifò moun reyaji nan zòn kote w ap viv la? Kèlkeswa jan sa ye, Jewova vle nou kontinye preche jiskaske li di travay la fini. Jewova gentan deside ki lè travay la ap kanpe, apre sa “lafen an ap vini”. (Mat. 24:14.) Jezi te fè disip li yo konnen ki jan moun yo t ap ye nan dènye jou yo e ki jan sitiyasyon an t ap ye. Li te konnen bagay sa yo te ka anpeche disip li yo kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi yo. Se sa k fè li te ankouraje yo pou yo “kontinye veye”. (Mat. 24:42.) Nan epòk Noye a, te gen anpil bagay ki te fè moun yo pa koute avètisman Noye t ap bay la. Menm bagay sa yo ka fè n pa remake anyen tou jodi a (Mat. 24:37-39; 2 Pyè 2:5). Se sa k fè nou bezwen met travay Jewova ban nou fè a an premye nan lavi nou. w20.09 8 § 1-2, 4.

Madi 17 me

Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. — 2 Tim. 3:12.

Satan “an kòlè anpil”, nou t ap twonpe tèt nou si n ta panse n ap ka fè yon fason pou n chape anba kòlè l (Rev. 12:12). Talè konsa, fidelite nou tout pral pase anba eprèv. Nan yon ti tan ankò, pral gen “yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan”. (Mat. 24:21.) Nan moman sa a, moun nan fanmi nou ka vin kont nou e otorite yo ka entèdi travay predikasyon nou an (Mat. 10:35, 36). Menm jan ak wa Aza, èske nou chak ap met konfyans nou nan Jewova pou n jwenn èd ak pwoteksyon (2 Kwo. 14:11)? Depi kounye a, Jewova ap prepare nou pou lafwa nou ka rete djanm. Li sèvi ak “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l ban nou “manje nan bon moman” pou n ka gen tout sa n bezwen pou n rete djanm (Mat. 24:45). Men, nou chak dwe fè tout sa n kapab pou n gen yon lafwa solid nan Jewova. — Ebre 10:38, 39. w20.09 18 § 16-18.

Mèkredi 18 me

Kè yon wa tankou sous dlo nan men Jewova. Li dirije l kote l vle. — Pwo. 21:1.

Jewova kapab sèvi ak lespri sen l ki gen anpil pisans pou l fè moun ki gen otorite yo fè sa li vle, lè sa ann amoni ak objektif li. Lèzòm kapab fouye yon kanal pou yo fè dlo ki sot nan yon sous al nan direksyon yo vle. Menm jan an tou, Jewova kapab itilize lespri sen l pou l fè yon seri dirijan fè sa ki ann amoni ak objektif li. Lè konsa, moun ki gen otorite yo santi yo oblije pran yon seri desizyon ki nan avantaj pèp Bondye a (Konpare ak Esd. 7:21, 25, 26). Ki sa nou ka fè? Nou ka priye “pou wa e pou tout moun ki gen otorite”, lè moun sa yo pran desizyon ki gen efè sou lavi nou antanke kretyen ak sou travay predikasyon an (1 Tim. 2:1, 2, nòt; Ney. 1:11). Menm jan ak kretyen nan premye syèk yo, nou menm tou nou priye Bondye anpil pou frè n ak sè n ki nan prizon yo. — Tra. 12:5; Ebre 13:3. w20.11 15 § 13-14.

Jedi 19 me

Fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo. — Mat. 28:19.

Se pa ti kontan w t ap kontan wè moun ou te etidye avè l la k ap batize (1 Tes. 2:19, 20)! Disip ki fèk batize yo se yon seri “lèt rekòmandasyon” nonsèlman pou moun ki te etidye avèk yo, men tou, pou tout kongregasyon an (2 Kor. 3:1-3). Sa vrèman bèl pou n wè, sou yon peryòd katran sèlman, an mwayèn te gen anviwon 10 000 000 etid biblik ki te fèt chak mwa toupatou sou tè a. E pandan menm ane sa yo, te gen an mwayèn plis pase 280 000 moun ki batize chak ane antanke Temwen Jewova e antanke nouvo disip Jezi Kris. Ki jan nou ka ede plis moun pami plizyè milyon etidyan Labib sa yo pou yo batize? Toutotan Jewova ap pran pasyans pou l bay moun tan ak posiblite pou yo vin disip Kris, nou vle fè tout sa n kapab pou n ede yo fè pwogrè pou yo batize san pèdi tan. Pa ret anpil tan ankò! — 1 Kor. 7:29a; 1 Pyè 4:7. w20.10 6 § 1-2.

Vandredi 20 me

Bondye opoze ak moun ki gen ògèy, men, li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la. — Jak 4:6.

Wa Sayil pa t obeyi Jewova, e lè pwofèt Samyèl te vin pale avè l sou sa, li te refize rekonèt tò l. Okontrè, li te eseye jistifye sa l te fè yo, li te fè konprann sa l te fè a pa t grav e li te lage chay la sou do lòt moun (1 Sam. 15:13-24). Se pa t premye fwa Sayil te gen konpòtman sa a (1 Sam. 13:10-14). Malerezman li te vin gen ògèy nan kè l. Li pa t chanje fason l panse, se sa k fè Jewova te blame l e li te retire l kòm wa. Pou n pran leson nan egzanp Sayil la, li ta bon pou n poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Lè m li yon konsèy nan Pawòl Bondye a, èske m gen tandans defann fason m panse? Èske m konn panse sa m fè a pa vrèman grav? Èske m konn lage chay la sou do lòt moun?’ Si repons nou bay pou nenpòt nan kesyon sa yo se wi, nou dwe chanje fason nou panse ak konpòtman nou. Si nou pa fè sa, nou ka tèlman vin gen ògèy nan kè nou, sa fè Jewova pa vle nou kòm zanmi l. — Jak 4:6. w20.11 20 § 4-5.

Samdi 21 me

Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan, anvan jou malè yo rive e anvan ane yo rive kote w pral di: “Mwen pa jwenn okenn plezi nan lavi a.” — Ekl. 12:1.

Ou menm jèn, chwazi kiyès w ap sèvi. Ou dwe chèche byen konnen kiyès Jewova ye, ki objektif li genyen e ki jan w ka fè volonte l (Wom. 12:2). Lè w fè sa, w ap kapab pran desizyon ki pi enpòtan an nan lavi w, sa vle di desizyon pou w sèvi Jewova (Joz. 24:15). Si w gen yon bon pwogram pou w li Bib la e pou w etidye l regilyèman, w ap vin pi renmen Jewova e lafwa w ap vin pi solid. Chwazi met volonte Jewova an premye nan lavi w. Monn Satan an pwomèt ou, si w sèvi ak kapasite ou genyen nan enterè pa w, w ap gen kè kontan. Men nou konnen, moun k ap kouri dèyè byen materyèl pèse kò yo “toupatou avèk anpil soufrans”. (1 Tim. 6:9, 10.) Yon lòt bò, si w koute Jewova e w chwazi met volonte l an premye nan lavi w, w ap reyisi nan lavi w e w ap “aji avèk sajès”. — Joz. 1:8. w20.10 30-31 § 17-18.

Dimanch 22 me

Mwen dwe al anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a [...], paske se pou sa Bondye te voye m. — Lik 4:43.

Nan premye syèk la, mesaj Jezi te preche a te bay tout moun espwa. Li te bay disip li yo lòd pou yo kontinye travay li te kòmanse a, pou yo bay temwayaj “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Tra. 1:8.) Nòmalman, yo pa t ap ka fè travay sa a ak pwòp fòs yo. Yo t ap bezwen lespri sen, anpalan de “èd la” Jezi te pwomèt yo a (Jan 14:26; Zak. 4:6). Disip Jezi yo te resevwa lespri sen nan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Grasa èd lespri sen, yo te kòmanse preche tousuit, e nan yon ti tan, te gen plizyè milye moun ki te aksepte bon nouvèl la (Tra. 2:41; 4:4). Lè te vin gen opozisyon, disip yo pa t pè, okontrè, yo te mande Bondye ede yo. Men priyè yo te fè: “Bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou a ak anpil kran.” Apre sa, yo te ranpli ak lespri sen e yo te kontinye “pale pawòl Bondye a avèk kran”. — Tra. 4:18-20, 29, 31. w20.10 21 § 4-5.

Lendi 23 me

Kris te mouri pou peche nou ann amoni ak Ekriti yo. [...] Bondye te leve l. — 1 Kor. 15:3, 4.

Sa k fè n kapab sèten Jewova te resisite Jezi? Anpil moun te wè Jezi apre l fin resisite e yo te fè konn sa (1 Kor. 15:5-7). Premye moun apot Pòl site, se apot Pyè (Sefas). Gen yon gwoup disip tou ki te di Pyè te wè Jezi apre l fin resisite (Lik 24:33, 34). Anplis de sa, apot yo te wè Jezi apre l fin resisite. Annapre, Kris “te parèt devan plis pase 500 frè anmenmtan”, petèt nan evènman ki te bay kè kontan ki te fèt Galile yo rapòte nan Matye 28:16-20. Epitou, Jezi “te parèt devan Jak”, sandout ki te frè l bò kot manman. Anvan sa, Jak pa t montre li gen lafwa nan Jezi antanke Mesi (Jan 7:5). Apre Jak fin wè Jezi lè Jezi resisite, li te vin kwè nan li. Lè Pòl te ekri lèt sa a ozanviwon ane 55 epòk nou an, anpil nan moun ki te wè Jezi apre l fin resisite te toujou vivan. Donk, kèlkeswa moun ki te gen dout sou rezirèksyon Jezi te ka al pale ak temwen sa yo yo te ka fè konfyans. w20.12 3 § 5, 7-8.

Madi 24 me

Jewova ap ede l pandan l kouche sou kabann li tou malad. — Sòm 41:3.

Lè n pa santi n byen, sitou si n gen yon maladi ki pa gen tretman, li ka vrèman difisil pou n panse yon fason ki pozitif. Donk, chèche èd nan men Jewova. Menmsi jodi a li pa fè mirak pou l geri nou, li konsole nou e li kapab ban nou fòs nou bezwen pou n andire (Sòm 94:19). Pa egzanp, li ka touche kè kretyen parèy nou pou yo ede n lè n bezwen fè yon seri travay nan kay. Li ka pouse frè n yo priye avè n. Li ka fè n sonje kèk pawòl ankourajan nou te jwenn nan Bib la, tankou bèl esperans nou genyen pou n vin pafè nan monn nouvo a san n pa janm ni malad ni soufri (Wom. 15:4). Men pafwa, nou ka santi n pa ka preche jan nou ta vle a. Gen yon sè ki te rele Laurel ki te fè 37 an nan yon aparèy an metal pou ede l respire. Li te gen kansè, li te fè plizyè gwo operasyon e li te gen yon seri maladi po ki pa t gen tretman. Men, sa pa t anpeche l preche. Li te konn preche enfimyè yo ak lòt moun ki te konn vin pran swen l lakay li. Li te ede pou pi piti 17 moun vin gen yon konesans egzak sou Bib la! w20.12 24 § 9; 25 § 12.

Mèkredi 25 me

Jewova avè m, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m? — Sòm 118:6.

Apot Pòl te bezwen èd. Ozanviwon ane 56 epòk nou an, yon foul moun te trennen l met pa deyò tanp lan e yo t ap chèche touye l. Nan demen, lè yo te mennen Pòl devan Sanedren an, ènmi l yo te manke depatcha l (Tra. 21:30-32; 22:30; 23:6-10). Nan moman sa a, Pòl dwe te mande tèt li: ‘Pandan konbyen tan m ap ka sipòte sitiyasyon sa a?’ Ki èd Pòl te jwenn? Nan nuit apre yo te fin arete Pòl la, Jezi, “Seyè a”, te kanpe bò kote l e l te di l: “Pran kouraj! Paske, menm jan w bay yon temwayaj konplè sou mwen nan Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou w bay temwayaj nan Wòm.” (Tra. 23:11). Ankourajman sa a te vini nan bon moman! Jezi te felisite Pòl pou temwayaj li te bay nan Jerizalèm nan. E l te pwomèt Pòl ap rive Wòm sennesòf, kote li t ap gen pou l bay yon pi gwo temwayaj. Apre Pòl te fin jwenn asirans sa a, li dwe te santi l an sekirite tankou yon timoun ki nan bra papa l. w20.11 12 § 1, 3; 13 § 4.

Jedi 26 me

Esperans sa a nou genyen an [...] sèten e anmenmtan li solid. — Ebre 6:19.

Esperans Wayòm nan “tankou yon lank batiman pou nanm nou”, li ede nou rete kalm lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil oswa lè nou gen enkyetid. Medite sou pwomès Jewova fè nou anrapò ak lavni, kote pa gen moun k ap gen enkyetid ankò (Eza. 65:17). Imajine w k ap viv nan monn nouvo a kote k ap gen lapè e pap gen anyen k ap fè nou pè ankò (Miche 4:4). Esperans ou an ap pi solid lè w pataje l ak lòt moun. Fè tout sa w kapab nan travay preche epi fè disip la. Si w fè sa, ou ka “gen yon asirans total nan esperans lan jiska lafen”. (Ebre 6:11.) Tank sistèm sa a ap rive nan bout li, n ap jwenn plis pwoblèm ki ka fè nou gen enkyetid. N ap rive fè fas ak pwoblèm sa yo epi ret dousman, pa paske nou konte sou pwòp fòs pa nou, men paske nou met konfyans nou nan Jewova. Annou montre nan aksyon nou nou gen lafwa nan pwomès Jewova fè nou an ki di: “Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou.” — Eza. 30:15. w21.01 7 § 17-18.

Vandredi 27 me

Jewova gen anpil konpasyon. — Jak 5:11.

Remake kòman Jak 5:11 montre relasyon ki genyen ant jan Jewova gen anpil konpasyon ak jan l gen mizèrikòd, yon lòt kalite ki fè nou anvi pwoche kote l (Egz. 34:6). Youn nan fason Jewova montre li gen mizèrikòd pou nou se lè l padone peche nou fè (Sòm 51:1). Nan Bib la, mizèrikòd vle di plis pase padone. Mizèrikòd se yon santiman ki fò anpil ki pouse yon moun chèche ede yon lòt moun lè l wè moun sa a nan pwoblèm. Jewova fè konnen gwo anvi li genyen pou l ede nou pi fò lontan pase santiman yon manman gen pou pitit li (Eza. 49:15). Lè nou nan pwoblèm, mizèrikòd Jewova gen lakay li pouse l ede nou (Sòm 37:39; 1 Kor. 10:13). Nou ka montre mizèrikòd pou frè n ak sè n yo lè nou padone yo e nou pa ret fache ak yo lè yo fè nou yon bagay ki pa fè nou plezi (Efe. 4:32). Yon lòt bon fason nou ka montre mizèrikòd se lè nou ede frè n ak sè n yo lè yo gen gwo pwoblèm. Konsa, nou imite Jewova, li menm ki bay pi bèl egzanp nan demontre gwo afeksyon. — Efe. 5:1. w21.01 21 § 5.

Samdi 28 me

[Kris] kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye. — 1 Pyè 2:21.

Yon chèf fanmi bezwen gen ekilib. Li pa dwe tèlman ap travay pou l pran swen fanmi l, li pa ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye e li pa montre yo li renmen yo jan l ta dwe fè sa epi ba yo fòmasyon. Se paske Jewova vle sa ki pi bon pou nou ki fè li ban nou fòmasyon ak disiplin (Ebre 12:7-9). Jezi menm jan ak Papa l, li bay moun ki anba otorite l yo fòmasyon yon fason ki montre li renmen yo (Jan 15:14, 15). Li fè sa yon fason ki fèm, men avèk jantiyès (Mat. 20:24-28). Li konprann nou enpafè e nou fè erè souvan (Mat. 26:41). Yon chèf fanmi ki imite Jewova ak Jezi konprann madanm li ak pitit li se pa moun ki pafè. Li pa “eksite” sou madanm li ak pitit li (Kol. 3:19). Okontrè, li aplike prensip ki nan Galat 6:1 an e li eseye ede yo “avèk dousè”, pandan l sonje li menm tou li pa pafè. Menm jan ak Jezi, li wè pi bon fason pou l anseye yo se nan egzanp li bay. w21.02 6-7 § 16-18.

Dimanch 29 me

Se pou tout sa k ap respire louwe Ja. — Sòm 150:6.

Pa mwayen ranson an, Jewova achte lavi chak moun nan kongregasyon an ak lavi tout lòt moun k ap gen pou met lafwa nan Jezi (Mak 10:45; Tra. 20:28; 1 Kor. 15:21, 22). Donk, piske Jezi bay lavi l kòm ranson, se nòmal pou Jewova mete l chèf kongregasyon an. Antanke chèf nou, Jezi gen otorite pou l met yon seri règ sou fason pou chak moun, pou fanmi yo e pou tout kongregasyon an konpòte yo, e li gen dwa veye pou yo respekte règ sa yo (Gal. 6:2). Sepandan, Jezi pa annik kontante l mete yon seri règ, men tou, li pran swen nou chak e li montre li renmen nou (Efe. 5:29). Sè yo montre yo respekte Kris lè yo suiv direksyon ansyen yo bay, paske se Kris ki bay ansyen yo responsablite pou pran swen yo. Frè yo montre yo konprann dispozisyon Jewova pran pou gen otorite a lefètke yo respekte sè yo e yo onore yo. Lè tout moun nan kongregasyon an, konprann dispozisyon Jewova pran pou l bay moun kèk otorite e yo respekte sa, gen lapè nan kongregasyon an. E sa k pi enpòtan an, nou bay Jewova, Papa nou an ki nan syèl la ki renmen nou, anpil louwanj. w21.02 18-19 § 14-17.

Lendi 30 me

David te pale ak Jewova. — 1 Sam. 30:8.

Pandan David ak mesye l yo ak fanmi yo te nan mawon, yo te kite fanmi yo lakay pou y al nan yon misyon. Pandan yo pa t la, ènmi te anvayi kote yo te rete a e yo t ale ak fanmi yo. David te ka panse piske l gen anpil eksperyans nan fè lagè, li te ka jwenn yon bon fason pou l delivre moun yo te pran yo byen fasil. Men, olye de sa, li te mande Jewova gide l. Li te mande Jewova: “Èske m dwe al dèyè bann vòlè sa yo?” Jewova te di l li mèt ale e l te ba l asirans l ap delivre moun yo te pran yo (1 Sam. 30:7-10). Ki sa w aprann nan istwa sa a? Chèche jwenn konsèy anvan w pran desizyon. Ou menm jèn, pale ak paran w anvan. Ou ka jwenn bon konsèy tou lè w pale ak ansyen yo, paske yo gen eksperyans. Se Jewova ki chwazi mesye sa yo e li fè yo konfyans, ou ka fè yo konfyans tou. Jewova wè mesye sa yo tankou yon “kado” pou kongregasyon an (Efe. 4:8). Si w imite lafwa yo e w koute bon konsèy yo ba w, w ap kapab pran bon desizyon. w21.03 4-5 § 10-11.

Madi 31 me

[Anyen] pap kapab separe nou ak lanmou Bondye. — Wom. 8:38, 39.

Jezi te di, si n pa aplike sa n aprann, nou sanble ak yon moun ki bati kay li sou sab. Se vre moun nan travay di, men se pou granmesi. Paske lè gwo van k ap soufle ak gwo dlo k ap desann frape kay li a ak anpil fòs, l ap kraze (Mat. 7:24-27). Menm jan an tou, si nou pa aplike sa nou aprann, sa pap itil nou anyen. Lè n jwenn eprèv oswa pèsekisyon, lafwa n ap febli. Yon lòt bò, lè n etidye e n aplike sa n aprann yo, n ap ka pran pi bon desizyon, n ap santi n pi anpè e lafwa nou ap vin pi solid (Eza. 48:17, 18). Pou n ret fidèl ak Jewova lè n ap andire eprèv, nou bezwen kontinye priye Jewova e n bezwen etidye Pawòl li a regilyèman. E n dwe toujou sonje youn nan bagay ki pi enpòtan nou kapab fè se fè Jewova jwenn glwa. Nou kapab gen asirans Jewova pap janm abandone nou e pa gen anyen yon moun kapab fè k ap fè Jewova sispann renmen nou. — Ebre 13:5, 6. w21.03 15 § 6; 18 § 20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje