Jen
Mèkredi 1ye jen
Nou te byen deside pou nou ban nou nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou bay lavi nou pou nou ka ede nou. — 1 Tes. 2:8.
Anseyan yo dwe gen bonjan sousi pou etidyan yo. Wè yo tankou moun ki pap pran tan pou yo vin frè nou oswa sè nou. Li pa fasil pou yo abandone zanmi yo gen nan monn nan e pou yo fè tout chanjman ki nesesè pou yo vin sèvi Jewova. Bon anseyan yo fè etidyan yo fè konesans ak lòt moun nan kongregasyon an ki kapab gen bon enfliyans sou yo. Konsa, etidyan yo ap kontan reyini ak pèp Bondye a, e frè ak sè yo kapab ede yo vin pi pwòch Jewova e yo ka ankouraje yo lè yo gen pwoblèm. Nou vle chak etidyan santi li gen plas li nan kongregasyon an e l fè pati fanmi nou fòme antanke kretyen an. Nou vle fè l anvi vin fè pati bèl fanmi nou fòme antanke kretyen an. Konsa, l ap pi fasil pou l evite nan twòp zanmitay ak moun ki pap ede l renmen Jewova (Pwo. 13:20). Si moun ki te zanmi l yo pa vle l kòm zanmi ankò, l ap konnen li kapab jwenn vrè zanmi nan òganizasyon Jewova a. — Mak 10:29, 30; 1 Pyè 4:4. w20.10 17 § 10-11.
Jedi 2 jen
Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a. — Mat. 28:18.
Nou dwe vin zanmi Jezi si nou vle gen bon relasyon ak Jewova. Sa k fè sa? Ann egzamine de rezon sèlman. Premyèman, Jezi te di disip li yo: “Papa a li menm gen afeksyon pou nou, poutèt nou gen afeksyon pou mwen.” (Jan 16:27). Men sa l te di tou: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” (Jan 14:6). Lè nou chèche vin zanmi Jewova san nou pa chèche gen bon relasyon ak Jezi se kòmsi n t ap eseye antre nan yon kay san n pa pase nan pòt la. Jezi te sèvi ak yon egzanp konsa lè l te pale de tèt li antanke “pòt pou mouton yo pase a”. (Jan 10:7.) Yon dezyèm rezon sèke Jezi te imite kalite Papa l yo yon fason ki pafè. Men sa l te di disip li yo: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” (Jan 14:9). Donk, yon bon mwayen pou nou aprann konnen Jewova se lè nou egzamine lavi Jezi. Tank n ap aprann konnen Jezi, se tank n ap vin gen afeksyon pou li. E tank n ap vin zanmi Jezi, se tank n ap vin pi renmen Papa a. w20.04 21-22 § 5-6.
Vandredi 3 jen
Mwen kontan anpil lè m fèb [...]. Paske lè m fèb, se atò m gen pisans. — 2 Kor. 12:10.
Èske w rete nan kabann ou paske w malad oubyen èske w chita nan yon chèz woulant? Èske w gen pwoblèm jenou oubyen pwoblèm je? Si w nan youn nan sitiyasyon sa yo, èske w ka patisipe nan kous la ansanm ak moun ki jèn e ki an sante? Wi ou kapab! Gen anpil moun ki granmoun e ki pa gen bon sante k ap kouri nan wout lavi a. Yo pa kapab fè sa ak pwòp fòs pa yo. Olye de sa, yo jwenn fòs Jewova bay la lè yo koute reyinyon yo nan telefòn oswa lè yo gade reyinyon yo sou videyo. Epitou, yo patisipe nan travay fè disip la lè yo preche doktè yo, enfimyè yo ak moun nan fanmi yo. Pa janm kite dekourajman akoz pwoblèm sante ou genyen fè w panse ou twò fèb pou w kouri nan wout lavi a. Jewova renmen w pou lafwa w gen nan li ak andirans ou demontre pandan plizyè ane. Ou bezwen èd Jewova kounye a plis pase nenpòt lòt lè, e li pap abandone w (Sòm 9:10). Okontrè, Jewova ap vin pi pwòch avè w. w20.04 29 § 16-17.
Samdi 4 jen
Mwen fè tout bagay pou bon nouvèl la, pou m ka pataje l ak lòt moun. — 1 Kor. 9:23.
Sou ki sa nou ka pale ak yon moun ki deja nan yon relijyon? Bat pou nou jwenn yon pwen kote ni nou menm ni moun nan dakò. Li gendwa ap adore yon sèl Dye, li gendwa rekonèt Jezi kòm Sovè limanite, oubyen li gendwa kwè n ap viv nan yon epòk ki chaje ak mechanste e ki pral fini talè konsa. Lè w rive wè kèk kwayans nou toule de genyen, prezante moun nan mesaj ki nan Bib la yon fason k ap atire l. Sonje moun yo gendwa pa kwè nan tout sa relijyon yo anseye yo. Donk, menm lè w rive wè nan ki relijyon yon moun ye, eseye wè nan ki sa moun sa a kwè. Gen yon frè ki misyonè nan peyi Ajantin ki remake gen kèk moun ki kwè nan Trinite, men an reyalite yo pa kwè Papa a, Pitit la ak lespri sen an se yon sèl Dye. Men sa l di: “Lè nou konn sa, li vrèman pi fasil pou n jwenn yon pwen kote ni nou menm ni moun nan dakò.” Donk, chèche konnen ki sa moun yo kwè toutbon. Lè sa a, menm jan ak apot Pòl, w ap ka “vin tout bagay pou tout kalite moun”. — 1 Kor. 9:19-22. w20.04 10 § 9-10.
Dimanch 5 jen
Pandan tan sa a, pèp ou a, sa vle di tout moun non yo ekri nan liv la, ap chape. — Dàn. 12:1.
Nou pa bezwen pè sa k pral rive alavni yo paske ni Dànyèl ni Jan fè konnen moun k ap sèvi Jewova ak Jezi yo ap chape pandan gwo tribilasyon an. Dànyèl fè konnen non moun k ap chape yo ap “ekri nan liv la”. Ki jan nou ka fè pou non nou nan liv sa a? Nou dwe montre aklè nou gen lafwa nan Jezi, Ti Mouton Bondye a (Jan 1:29). Nou dwe batize pou nou montre nou vwe Bondye lavi nou (1 Pyè 3:21). E nou dwe montre n ap soutni Wayòm Bondye a lè nou fè tout sa n kapab pou nou ede lòt moun aprann konnen Jewova.Kounye a se moman pou n gen plis konfyans nan Jewova ak nan òganizasyon l lan ki gen ladan l sèvitè fidèl li yo. Kounye a se moman pou nou soutni Wayòm Bondye a. Si nou fè sa, n ap sove lè Wayòm Bondye a detwi wa nò a ak wa sid la. w20.05 16 § 18-19.
Lendi 6 jen
O Jewova, non w ap la pou toutan. — Sòm 135:13.
Adan ak Èv te konnen non Bondye se Jewova e yo te konnen yon seri verite ki enpòtan anpil sou Sila a ki pote non sa a. Yo te konnen l se Kreyatè a, Sila a ki te ba yo lavi a, ki te ba yo bèl Paradi kote yo t ap viv la e ki te marye yo, yo menm ki te pafè (Jen. 1:26-28; 2:18). Men, èske yo t ap kontinye sèvi ak sèvo yo ki pafè pou yo medite sou tout sa Jewova te fè pou yo? Èske yo t ap kontinye chèche gen plis lanmou ak rekonesans pou Sila a ki pote non sa a? Repons kesyon sa yo te vin parèt aklè lè ènmi Bondye a te pase yo anba eprèv. Satan te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv. Li te fè kòmsi se sèpan an k ap pale. Li te mande Èv: “Èske se vre Bondye di nou pa dwe manje fwi nan tout pyebwa ki nan jaden an?” (Jen. 2:16, 17; 3:1) Kesyon sa a te gen yon manti anba anba ladan l ki te tankou yon pwazon ki kache. An reyalite, Bondye te di yo te kapab manje nan tout pyebwa yo eksepte youn (Jen. 2:9). Satan te fè Bondye pase pou yon moun ki pa renmen bay. Èv te ka di tèt li: ‘Èske se pa yon bon bagay Bondye ap anpeche m jwenn?’ w20.06 3-4 § 8-9.
Madi 7 jen
Se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l. — Kol. 3:13.
Gen kèk nan sèvitè Jewova yo ki konn fache akoz sa yon frè oswa yon sè nan kongregasyon an fè yo. Apot Pòl te rekonèt pafwa nou ka gen bonjan rezon pou n “plenyen kont” yon frè oswa yon sè. Yo ka menm fè nou enjistis. Si n pa veye nou ka vin gen rankin. Kòlè ka vin lakoz yon moun kite òganizasyon Jewova a. Pablo, yon frè k ap viv ann Amerik disid, gen yon moun ki te bay manti sou li e ki te fè konnen li fè yon bagay ki mal e sa te lakoz li pèdi yon privilèj li te gen nan kongregasyon an. Ki jan li te reyaji? Pablo di: “M te fache e tikras pa tikras m te kite kongregasyon an.” Yon moun ki te vyole lwa Bondye a ka gen konsyans li k ap repwoche l, sa ka fè l santi li pa merite pou Bondye renmen l. Menmsi li te repanti e yo te fè l mizèrikòd, li ka santi li pa bon ase pou l kontinye fè pati pèp Bondye a. Ki jan w santi w lè w aprann gen frè ak sè ki te viv yon sitiyasyon menm jan ak sitiyasyon nou sot dekri la yo? w20.06 19 § 6-7.
Mèkredi 8 jen
Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache. — Pwo. 22:3.
Nou dwe aprann rekonèt sitiyasyon ki ka yon danje pou nou epi aji pou n evite danje a (Ebre 5:14). Pa egzanp, nou bezwen byen chwazi detant n ap pran. Byen souvan, emisyon ak fim y ap pase nan televizyon konn montre yon seri konduit ki sal. Konduit konsa fè Bondye anpil lapenn, e wè pa wè moun ki gen konduit sa yo ap lakòz ni yo menm ni lòt moun soufri. Menm jan an tou, nou evite detant ki kapab fè n sispann renmen Bondye tikras pa tikras (Efe. 5:5, 6). Anplis, nou dwe kapab konprann danje ki genyen nan fo enfòmasyon aposta yo ap gaye pou fè n gen dout sou frè n ak sè n yo ak sou òganizasyon Jewova a (1 Tim. 4:1, 7; 2 Tim. 2:16). Enfòmasyon konsa kapab fè lafwa nou febli. Nou pa dwe kwè nan pwopagann sa yo. Poukisa? Paske kalite enfòmasyon sa yo se “moun ki gen lespri kòwonpi e ki pa gen laverite ankò” k ap gaye yo. Objektif yo se “fè diskisyon ak deba”. (1 Tim. 6:4, 5.) Yo vle fè n kwè nan manti y ap bay yo epi pou n sispann fè frè nou yo konfyans. w20.09 29 § 13, 15.
Jedi 9 jen
Kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa [nou], men avantaj pa lòt moun. — 1 Kor. 10:24.
Yon mari ak yon madanm dwe aji youn ak lòt avèk lanmou e avèk respè (Efe. 5:33). Labib anseye nou pou n plis renmen bay olye nou renmen resevwa (Tra. 20:35). Ki kalite k ap ede de moun ki marye pou yo demontre lanmou ak respè? Repons lan se imilite. Imilite ede anpil kretyen ki marye pou yo jwenn plis kè kontan nan maryaj yo. Pa egzanp, gen yon mari ki rele Steven ki di: “Si nou se yon ekip, n ap travay ansanm, sitou lè gen pwoblèm. Olye w di ‘ki sa k pi bon pou mwen?’ w ap di ‘ki sa ki pi bon pou nou?’” Stephanie, madanm li, santi menm bagay la tou. Men sa l di: “Pa gen moun ki ta renmen viv ak yon advèsè. Lè gen pwoblèm, nou chèche konn ki sa k lakòz pwoblèm nan. Apre sa, nou priye, nou fè rechèch e n pale sou sa. Nou atake pwoblèm nan, nou pa atake youn lòt.” Mari ak madanm yo ap jwenn bonjan byenfè lè yo pa panse yo pi enpòtan pase moun yo marye avè l la. w20.07 3-4 § 5-6.
Vandredi 10 jen
Mwen te fè plis pwogrè nan jidayis la pase anpil moun menm nasyon avè m ki te nan laj mwen. — Gal. 1:14.
Pa konte sou pwòp fòs ou oswa sou kapasite w lè w ap sèvi Jewova. Apot Pòl te resevwa gwo fòmasyon. Se youn nan chèf juif moun te pi respekte nan epòk li a ki rele Gamalyèl ki te pwofesè l (Tra. 5:34; 22:3). E pandan yon tan, Pòl te yon moun enpòtan nan mitan Juif yo (Tra. 26:4). Men, Pòl pa t konte sou tèt li. Pòl te kontan abandone bagay ki te fè l gen pouvwa selon monn nan (Flp. 3:8, nòt). Li te jwenn anpil pwoblèm poutèt li te vin disip Kris. Moun nan pwòp nasyon l te rayi l (Tra. 23:12-14). E Women yo, ki te gen menm nasyonalite avè l, te bat li e yo te mete l nan prizon (Tra. 16:19-24, 37). Mete sou sa, sa te fè Pòl mal lè l te wè feblès li gen lakay li (Wom. 7:21-25). Men, Pòl pa t kite opozan l yo oswa pwòp feblès li anpeche l suiv Kris, okontrè, li te “kontan anpil lè [l] fèb”. Paske se lè l te fèb li te wè pisans Bondye k ap aji nan lavi l. — 2 Kor. 4:7; 12:10. w20.07 16 § 7-8.
Samdi 11 jen
Yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen, [...] l ap fè travay ki pi gwo pase sa. — Jan 14:12.
Jodi a, nou vrèman bezwen met travay predikasyon Wayòm nan an premye nan lavi nou. Jezi te anonse disip li yo t ap kontinye preche apre l fin mouri e yo t ap fè plis travay pase l. Lè Jezi fin resisite, li te fè yon mirak kote l te fè kèk nan disip li yo pran anpil pwason. Li te pwofite fè yo sonje travay yo antanke pechè moun nan pi enpòtan pase kèlkeswa lòt aktivite yo genyen (Jan 21:15-17). Yon ti tan anvan Jezi monte nan syèl, li te fè disip li yo konnen travay bay temwayaj li te kòmanse a t ap gen pou l fèt pi lwen pase tèritwa Izrayèl (Tra. 1:6-8). Plizyè ane annapre, Jezi te bay apot Jan yon vizyon pou l montre l sa k t ap rive “nan jou Seyè a”. Jan te wè yon evènman estrawòdinè: Yon zanj ki gen “yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou l anonse [...] moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp”. (Rev. 1:10; 14:6.) Li klè, jodi a Jewova vle nou patisipe nan gwo travay bay temwayaj sa a k ap fèt jiskaske l fini. w20.09 9 § 5.
Dimanch 12 jen
Grasa lafwa Abraram te genyen, se kòmsi li te bay Izarak kòm sakrifis lè Bondye te teste l la. — Ebre 11:17.
Bagay yo pa t fasil pou fanmi Abraram. Sara, madanm li, li te renmen anpil, pa t ka fè pitit. Pandan plizyè dizèn ane, yo te oblije fè fas ak sitiyasyon difisil sa a. Finalman, Sara te bay Abraram Aga, sèvant li an, pou l ka fè pitit pou Abraram ak Sara. Men, lè Aga te vin ansent Izmayèl, li te kòmanse meprize Sara. Sitiyasyon an te vin tèlman rèd, Sara te met Aga deyò (Jen. 16:1-6). Finalman Sara te vin ansent e li te fè yon pitit gason pou Abraram. Abraram te rele pitit la Izarak. Li te renmen toule de pitit gason l yo, ni Izmayèl ni Izarak. Men, piske Izmayèl te mal aji ak Izarak, Abraram te oblije voye Izmayèl ak Aga ale (Jen. 21:9-14). Annapre, Jewova te mande Abraram pou l ofri Izarak kòm sakrifis (Jen. 22:1, 2; Ebre 11:17-19). Nan toule de sitiyasyon sa yo, Abraram te bezwen gen konfyans Jewova t ap fè bagay yo byen pase pou pitit gason l yo. w20.08 4 § 9-10.
Lendi 13 jen
Abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande. — Efe. 4:24.
Imajine jan moun k ap resisite yo pral kontan, lè yo voye ansyen pèsonalite a jete epi yo rive viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis. Moun ki rive fè chanjman sa yo pral kapab viv pou toutan nan Paradi a. Yon lòt bò, Bondye pap pèmèt moun ki refize chanje yo e ki anpeche gen lapè kontinye viv nan Paradi a (Eza. 65:20; Jan 5:28, 29). Anba dominasyon Wayòm nan, tout sèvitè Bondye yo pral wè pawòl ki nan Pwovèb 10:22 yo reyalize. Men sa vèsè a di: “Se benediksyon Jewova bay ki fè moun rich, e li pa bay okenn doulè avè l.” Jewova pral sèvi ak lespri sen pou l vide benediksyon sou pèp li a. Tikras pa tikras y ap vin gen menm pèsonalite ak Kris jiskaske yo vin pafè (Jan 13:15-17; Efe. 4:23, 24). Chak jou sante yo ap vin pi bon e y ap vin pi bon moun. Ala bèl lavi a pral bèl! — Jòb 33:25. w20.08 17 § 11-12.
Madi 14 jen
Se pou nou fè tout sa n kapab [...] pou nou okipe pwòp zafè nou. — 1 Tes. 4:11.
Ki jan nou kapab montre nou respekte santiman frè ak sè ki selibatè yo ak rezon ki fè yo ret selibatè? L ap bon pou n sonje, gen kèk frè ak sè ki fikse objektif pou yo pa marye. Gen lòt menm ki ta byen renmen marye, men yo poko ka jwenn moun pa yo a. E gen lòt tou, mari yo oswa madanm yo mouri. Kèlkeswa rezon an, èske frè ak sè nan kongregasyon an bezwen mande frè ak sè ki selibatè yo poukisa yo pa marye, oubyen èske yo ta dwe di yo y ap ede yo jwenn yon moun? Epi, ki jan y ap santi yo si nou ta fè sa san yo pa mande nou (1 Tim. 5:13)? Frè n ak sè n ki selibatè yo ap kontan si nou konsantre sou bèl kalite yo genyen olye n fè yo santi nou gen pitye pou yo lefètke yo selibatè. Okontrè, l ap bon pou n montre yo nou kontan wè jan yo fidèl. Konsa, yo pap janm santi se kòmsi n ap di yo: “Mwen pa bezwen w.” (1 Kor. 12:21). Olye de sa, y ap wè nou respekte yo e nou bay plas yo gen nan kongregasyon an anpil enpòtans. w20.08 29 § 10, 14.
Mèkredi 15 jen
[Kris] te parèt devan plis pase 500 frè anmenmtan. — 1 Kor. 15:6.
Annapre, Jezi te parèt devan apot Pòl (1 Kor. 15:8). Pòl (Sòl) te sou wout pou l al Damas lè li te tande vwa Jezi ki te resisite e li te wè l nan yon vizyon pandan li nan glwa l nan syèl la (Travay 9:3-5). Eksperyans Pòl te fè a te bay plis prèv Jezi te resisite toutbonvre (Tra. 26:12-15). Sa Pòl te di yo t ap vrèman enterese kèk moun, piske anvan sa li te konn pèsekite kretyen yo. Yonfwa Pòl te gen konviksyon Jezi te resisite, li te fè anpil efò pou l konvenk lòt moun. Pòl te pran kout baton plizyè fwa, yo te mete l nan prizon e batiman te fè nofraj avè l pandan l t ap fè konnen Jezi te mouri, men li retounen viv ankò (1 Kor. 15:9-11; 2 Kor. 11:23-27). Pòl te tèlman gen asirans Jezi te leve sot nan lanmò, li te dispoze mouri poutèt l ap defann kwayans sa a. Èske temwayaj premye kretyen yo te bay la pa konvenk ou Jezi te leve sot nan lanmò? Èske sa pa fè w gen plis lafwa nan rezirèksyon an? w20.12 3 § 8-10.
Jedi 16 jen
Si nou chèche [Jewova], l ap kite nou jwenn li. — 2 Kwo. 15:2.
Nou ka mande tèt nou: ‘Èske m asiste reyinyon yo regilyèman?’ Nan reyinyon yo nou jwenn fòs pou n kontinye sèvi Jewova e n jwenn ankourajman nan men frè n ak sè n yo (Mat. 11:28). Nou ka mande tèt nou tou: ‘Èske m fè etid pèsonèl mwen regilyèman?’ Si w ap viv ak fanmi w, èske nou rezève tan chak semèn pou n fè adorasyon an fanmi? Oubyen si w ap viv poukont ou, èske w rezève tan kanmenm pou w etidye menm jan ak fanmi yo? Mete sou sa, èske w fè tout sa w kapab pou w patisipe nan travay predikasyon an ak nan travay fè disip la? Poukisa n ta dwe poze kesyon sa yo? Labib fè n konnen Jewova egzamine sa ki nan panse nou ak sa ki nan kè nou. Donk, nou dwe fè menm jan an (1 Kwo. 28:9). Si nou wè nou bezwen fè kèk chanjman nan objektif nou, nan konpòtman nou oswa nan panse nou, nou ta dwe mande Jewova ede n fè chanjman sa yo. Kounye a se moman pou n prepare n pou eprèv nou pral jwenn pi devan yo. w20.09 19 § 19-20.
Vandredi 17 jen
Okenn nan nou pa ka disip mwen si l pa abandone tout sa l genyen. — Lik 14:33.
Gen yon lè, Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l esplike ki sa yon moun dwe fè si l vle vin disip li? Li te pale konsènan yon moun ki vle bati yon fò e konsènan yon wa ki vle al nan lagè. Jezi te di moun ki vle bati yon fò dwe “chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute” pou l fini fò a, e l te di wa a dwe “chita anvan pou l pale ak lòt moun” pou l wè si lame l la ka fè sa yo ta vle fè a (Lik 14:27-32). Menm jan an tou, Jezi te konnen yon moun ki vle vin disip li dwe chèche byen konprann sa l bezwen fè pou l vin suiv li. Se sa k fè nou bezwen ankouraje etidyan nou yo pou yo fè etid la chak semèn. Antanke anseyan, ou bezwen byen prepare chak etid anvan w fè l. Pandan w ap panse ak etidyan an, reflechi sou fason w pral esplike l pwen yo yon fason ki senp e ki klè pou l ka byen konprann yo epi aplike yo. — Ney. 8:8; Pwo. 15:28a. w20.10 7 § 5; 8 § 7.
Samdi 18 jen
Kidonk, ale, epi fè disip [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. — Mat. 28:19, 20.
Enstriksyon Jezi bay yo klè. Nou dwe anseye moun yo bagay li te bay lòd pou nou fè yo. Jezi pa t di: ‘Anseye yo tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.’ Okontrè, li te di: Anseye yo “pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo”. Pou n rive suiv enstriksyon klè sa a lè n ap anseye yon etidyan Labib, nou bezwen anseye yo sa pou yo fè, men tou, nou bezwen montre yo ki jan pou yo fè l (Tra. 8:31). Yon moun “obeyi” yon lòd lè l fè sa yo mande l fè a. Lè n ap etidye Labib ak lòt moun, nou anseye yo sa Bondye vle nou fè. Men, nou bezwen fè plis pase sa. Nou dwe anseye etidyan nou yo pou yo aplike sa y ap aprann nan chak jou nan lavi yo (Jan 14:15; 1 Jan 2:3). Nou ka sèvi ak egzanp nou pou n montre etidyan nou yo fason pou yo aplike prensip ki nan Bib la swa nan lekòl yo, nan travay yo oswa pandan y ap pran detant. Pandan n avèk etidyan nou yo, nou ka priye Jewova pou n mande l pou lespri sen gide yo. — Jan 16:13. w20.11 2-3 § 3-5.
Dimanch 19 jen
“Se pa ni yon lame, ni okenn pouvwa k ap fè bagay sa yo rive, men se lespri m.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di. — Zak. 4:6.
Disip Jezi yo te jwenn difikilte. Pa egzanp, pa t gen anpil kopi Ekriti yo. Yo pa t gen liv pou ede yo konprann Bib la, tankou sa nou gen jodi a. E yo te oblije preche moun ki pale divès lang. Malgre sa, disip sa yo ki te chofe nan travay predikasyon an te rive fè sa k te parèt enposib la: nan kèk dizèn ane sèlman, yo te preche bon nouvèl la “tout kote anba syèl la”. (Kol. 1:6, 23.) Jodi a, Jewova kontinye dirije pèp li a e li kontinye ba yo fòs pou yo fè volonte l. Jewova itilize Pawòl li a, li te sèvi ak lespri sen pou l fè ekri a, kòm prensipal mwayen pou l dirije pèp li a. Nan Bib la nou jwenn enfòmasyon sou travay predikasyon Jezi te fè a ak lòd li te bay disip li yo pou yo kontinye travay li te kòmanse a (Mat. 28:19, 20). Jewova pa gen patipri, li te gentan fè konnen yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl la nan “tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp”. (Rev. 14:6, 7.) Li vle pou tout moun tande mesaj Wayòm nan. w20.10 21 § 6-8.
Lendi 20 jen
Ou sove moun ki gen imilite, men, ou kont moun ki gen ògèy. — 2 Sam. 22:28.
Wa David te renmen “lwa Jewova a”. (Sòm 1:1-3.) David te konnen Jewova sove moun ki gen imilite, men li kont moun ki gen ògèy. Se sa k fè David te kite lwa Bondye a korije fason l panse. Men sa l te ekri: “M ap fè louwanj pou Jewova, paske li ban m konsèy. Menm nan nuit, panse m yo korije m.” (Sòm 16:7). Si nou gen imilite, n ap kite Pawòl Bondye a korije move panse nou genyen anvan panse sa yo pouse nou fè sa ki mal. Pawòl Bondye a ap tankou yon vwa k ap di nou: “Men chemen an. Mache ladan l.” L ap avèti nou lè n kòmanse kite wout la pou n fè agoch oswa adwat (Eza. 30:21). Lè n koute Jewova, n ap jwenn anpil byenfè (Eza. 48:17). Pa egzanp, moun pap oblije korije nou, sa ki ta kapab fè nou wont. E n ap vin pi pwòch Jewova paske n konnen l ap aji ak nou tankou yon pitit li renmen anpil. — Ebre 12:7. w20.11 20 § 6-7.
Madi 21 jen
Lè yo tande Pòl ap pale de rezirèksyon mò, gen ladan yo ki kòmanse pase l nan rizib. — Tra. 17:32.
Kèk moun nan vil Korent te konn panse menm jan an (1 Kor. 15:12). Gen lòt ki te ka panse rezirèksyon an se yon bagay senbolik, sa vle di yon moun te “mouri” nan peche, men l retounen “viv” antanke kretyen. Kèlkeswa rezon yo te genyen an, lefètke yo pa t aksepte rezirèksyon an, sa montre se pou granmesi yo te gen lafwa. Si Bondye pa t resisite Jezi, pa t gen okenn ranson ki te peye e peche pèsonn pa t jwenn padon. Donk, moun ki pa t dakò gen rezirèksyon pa t gen bonjan esperans (1 Kor. 15:13-19; Ebre 9:12, 14). Apot Pòl te byen konnen “Kris [te] leve sot nan lanmò”. Rezirèksyon Jezi te gen plis valè lontan pase sa ki te fèt anvan yo, paske, rive yon lè, moun ki te resisite yo te mouri ankò. Pòl te di Jezi se “premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo”. Li se premye moun ki te resisite antanke espri e l se premye moun ki te resisite pou monte nan syèl. — 1 Kor. 15:20; Tra. 26:23; 1 Pyè 3:18, 22. w20.12 5 § 11-12.
Mèkredi 22 jen
Yo fè moun ki nan vil kote yo pase yo konnen desizyon apot yo ak ansyen [...] yo te pran, pou moun yo ka soumèt devan desizyon sa yo. — Tra. 16:4.
Nan premye syèk la, kolèj santral la nan Jerizalèm te travay nan tèt ansanm pou pèmèt gen lòd ak lapè nan mitan pèp Bondye a (Tra. 2:42). Pa egzanp, lè te vin gen pwoblèm sikonsizyon an, kolèj santral la te egzamine sitiyasyon an anba direksyon lespri sen. Si kongregasyon an pa t rive jwenn yon antant sou sa, yo pa t ap ka fè travay predikasyon an byen. Byenke apot yo ak ansyen yo te Juif, yo pa t kite tradisyon pèp juif la genyen yo enfliyanse yo ni yo pa t kite moun ki t ap defann tradisyon sa yo enfliyanse yo. Se Pawòl Bondye a ak lespri sen yo te kite dirije yo (Tra. 15:1, 2, 5-20, 28). Ki rezilta sa te bay? Jewova te beni desizyon yo te pran an, te kontinye gen lapè ak tèt ansanm, e yo te kontinye preche bon nouvèl la (Tra. 15:30, 31; 16:5). Nan epòk pa nou an, òganizasyon Jewova a ap travay pou kontinye gen lòd ak lapè nan mitan pèp Jewova a. w20.10 22-23 § 11-12.
Jedi 23 jen
[Se] Salomon, pitit gason m nan, Bondye chwazi. — 1 Kwo. 29:1.
Gen anpil rezon ki ka fè n pa resevwa yon asiyasyon nou ta renmen genyen. Se gendwa akoz laj, pwoblèm sante oubyen lòt sitiyasyon. Si se ka pa w, egzanp wa David kapab ede w. Lè David te aprann Jewova pa t chwazi l pou l konstwi yon tanp pou Li, alòske l te vrèman anvi fè sa, li te soutni moun Bondye te chwazi bay responsablite sa a ak tout kè l. David te menm bay anpil lò ak ajan pou pwojè a. Ala yon bèl egzanp pou nou imite (2 Sam. 7:12, 13; 1 Kwo. 29:3-5)! Hugues, yon frè nan peyi Lafrans, te gen pwoblèm sante e sa te fè l sispann sèvi kòm ansyen. Li pa t menm ka fè travay ki pi senp yo lakay li. Men sa l ekri: “Okòmansman, m te santi m pa t vo anyen e m te santi m dekouraje nèt. Men annapre, m te wè jan sa enpòtan pou m aksepte gen bagay m pa ka fè, e sa te ede m gen kè kontan nan sèvis m ap bay Jewova a malgre m gen limit. Menm jan ak Jedeyon ak 300 gason ki te avèk li yo ki te fatige, m ap kontinye nan batay la!” — Jij 8:4. w20.12 25 § 14-15.
Vandredi 24 jen
Kontinye gen lanmou youn pou lòt. — 1 Jan 4:7.
Nan istwa apot Jan rakonte sou lavi Jezi, li sèvi ak mo “lanmou” ak “renmen” pi souvan pase twa lòt moun ki te ekri Evanjil yo met ansanm. Istwa sa yo Bondye te enspire l pou l ekri yo montre lanmou dwe gide yon kretyen nan tout sa l ap fè (1 Jan 4:10, 11). Men, sa te pran anpil tan pou Jan te aprann leson sa a. Lè Jan te jèn gason li pa t toujou demontre lanmou. Pa egzanp, yon lè, Jezi ak disip li yo te pase Samari pou y al Jerizalèm. Gen yon seri moun nan yon bouk nan Samari ki te refize akeyi yo. Jan te mande si l mèt fè dife sot nan syèl la pou detwi tout moun ki te abite nan bouk la (Lik 9:52-56)! Nan yon lòt okazyon, Jan ak Jak, frè l la, te eseye konvenk manman yo pou l mande Jezi pou ba yo gwo pozisyon bò kote l nan Wayòm nan. Lè lòt apot yo vin konn sa Jak ak Jan te fè a, yo te fache anpil (Mat. 20:20, 21, 24)! Men, malgre tout erè Jan te fè yo, Jezi te renmen l. — Jan 21:7. w21.01 8-9 § 3-4.
Samdi 25 jen
Kris la pa t fè tèt li plezi. — Wom. 15:3.
Jewova pran desizyon ki nan enterè lòt moun. Pa egzanp, lè l te deside kreye lavi, se pa nan enterè pa l li te fè sa, men se paske li te vle nou pwofite lavi. Pèsonn pa t ka fòse l bay Pitit Gason l lan pou peche nou. Li te chwazi fè sakrifis sa a paske li te vle ede nou. Jezi te pran desizyon tou ki te nan enterè lòt moun. Pa egzanp, yon lè li te fatige anpil, men, olye l te repoze, li te pito anseye yon foul moun (Mak 6:31-34). Yon bon chèf fanmi konnen youn nan bagay ki pi difisil li dwe fè se pran desizyon k ap bon pou fanmi l, e li pran responsablite sa a oserye. Li eseye evite pran desizyon san l pa chèche konn sa fanmi l panse oswa san l pa reflechi. Okontrè, li kite Jewova ba l fòmasyon (Pwo. 2:6, 7). Konsa, l ap chèche enterè lòt moun, li pap chèche enterè pa l (Flp. 2:4). Si yon mari fè efò pou l suiv egzanp Jewova ak Jezi, l ap yon bon chèf fanmi. w21.02 7 § 19-21.
Dimanch 26 jen
Aza te fè sa ki byen ak sa ki dwat nan je Jewova, Bondye l la. — 2 Kwo. 14:2.
Lè wa Aza te jèn gason, li te gen imilite e li te gen kran. Pa egzanp, lè l te vin wa apre lanmò Abija, papa l, li te fè yon kanpay pou l elimine zidòl nan peyi a. Mete sou sa, “li te ankouraje moun nan tribi Jida yo pou yo chèche Jewova, Bondye zansèt yo, e pou yo obeyi Lwa l yo ak kòmandman l yo”. (2 Kwo. 14:1-7.) E lè Zera, moun Etyopi a, te vin anvayi Jida ak 1 000 000 sòlda, Aza te montre l gen sajès lè l te mande Jewova èd. Li te di l: “O Jewova, kit moun w ap ede yo anpil, kit yo pa gen fòs, pou ou, se menm bagay. O Jewova, Bondye nou an, ede nou tanpri, paske se sou ou nou konte.” Bèl pawòl sa yo Aza te di montre jis nan ki pwen li gen konfyans nan kapasite Jewova genyen pou l sove pèp li a. Aza te met konfyans li nan Papa l ki nan syèl la, e “Jewova te [...] pot laviktwa sou moun Etyopi yo”. (2 Kwo. 14:8-12.) Se sèten w ap dakò se pa t yon bagay ki te fasil menm pou yon wa fè fas ak yon lame ki gen 1 000 000 sòlda. w21.03 5 § 12-13.
Lendi 27 jen
[Se pou nou gen] gwo afeksyon [...] youn pou lòt. — Wom. 12:10.
Bib la pale konsènan yon seri moun enpafè ki te demontre gwo afeksyon youn pou lòt, pa egzanp Jonatan ak David. Bib la di: “Jonatan ak David te vin bon zanmi e Jonatan te vin renmen David menm jan l te renmen pwòp tèt li.” (1 Sam. 18:1). Jewova te chwazi David pou l vin wa nan plas Sayil. Apre sa, Sayil te vin rayi David anpil e l t ap chèche touye l. Men, Jonatan, pitit gason Sayil, pa t dakò ak papa l lè l t ap chèche touye David. Jonatan ak David te pwomèt youn lòt pou yo ret zanmi e pou youn toujou soutni lòt (1 Sam. 20:42). Gwo afeksyon youn te gen pou lòt vrèman estrawòdinè lè n konsidere tout sa k te ka anpeche yo vin zanmi. Pa egzanp, Jonatan te gen anviwon 30 an anplis David. Jonatan te ka di piske David te pi jèn pase l lontan e David te gen mwens eksperyans, yo pa t ap ka vin bon zanmi. Epoutan, li pa t panse konsa. Li te gen gwo respè pou David. w21.01 21-22 § 6-7.
Madi 28 jen
Frè m yo, konsidere se yon jwa total lè nou rankontre divès kalite eprèv. — Jak 1:2.
Jezi te pwomèt disip li yo yo t ap gen kè kontan toutbon. Epitou, li te fè moun ki renmen l yo konnen yo t ap jwenn eprèv (Mat. 10:22, 23; Lik 6:20-23). Nou kontan lefètke n se disip Kris. Men, ki jan w t ap santi w si moun nan fanmi w ta opoze avè w, gouvènman kote w ap viv la ta pèsekite w oswa kòlèg travay ou oubyen kondisip ou ta fè presyon sou ou pou w fè sa ki mal? Lè n ap panse ak bagay sa yo sa ka fè n gen enkyetid. Nòmalman, moun pa konsidere pèsekisyon kòm yon bagay ki bay kè kontan. Epoutan, se egzakteman sa Pawòl Bondye a mande nou pou n fè. Pa egzanp, disip Jak te fè n konnen nou pa ta dwe dekouraje lè n jwenn eprèv, okontrè, sa ta dwe fè n gen kè kontan (Jak 1:2, 12). E Jezi te di nou dwe kontan menm lè y ap pèsekite nou (Mat. 5:11). Pa mwayen lespri sen, Jewova te fè Jak ekri kretyen sa yo pou ba yo bonjan konsèy ki t ap ede yo kontinye gen kè kontan menm lè yo jwenn eprèv. w21.02 26 § 1-2; 27 § 5.
Mèkredi 29 jen
Vire do bay pawòl san valè ki dezonore Bondye. — 1 Tim. 6:20.
Kèk nan moun ki t ap viv nan menm epòk ak Timote pa t apresye privilèj yo te genyen pou yo konpayon travay Bondye. Pa egzanp, Demas, Fijèl ak Èmojèn, Imene, Aleksann ak Filèt (1 Tim. 1:19, 20; 2 Tim. 1:15; 2:16-18; 4:10). Sanble yon lè tout moun sa yo te gen bon relasyon ak Bondye, men yo te vin sispann reflechi sou sa ki gen valè toutbon. Ki jan Satan ap eseye fè nou abandone trezò Jewova konfye nou yo? Ann wè kèk taktik Satan itilize. Li sèvi ak detant ak medya, tankou televizyon, fim, Entènèt, jounal, liv ak magazin pou l fè n reflechi e pou l fè n aji fason li panse k ap fè nou sispann renmen Jewova oswa sispann obeyi lwa l yo tikras pa tikras. Li eseye sèvi ak presyon lòt moun fè sou nou oswa pèsekisyon pou fè nou pè pou n ka sispann preche. Li eseye pran nou nan pyèj pou l fè n koute “sa yo swadizan rele ‘konesans’” aposta yo genyen pou n ka abandone laverite (1 Tim. 6:21). Si n pa veye, nou ka sispann renmen Jewova oswa sispann obeyi lwa l yo tikras pa tikras. w20.09 27 § 6-8.
Jedi 30 jen
Jewova ap tande demann mwen fè l pou l fè m favè, Jewova ap aksepte priyè m nan. — Sòm 6:9.
Èske yon zanmi w oswa yon moun nan fanmi w te trayi konfyans ou? Si sa te rive w, ou kapab aprann nan sa k te rive Absalon, pitit gason wa David la (2 Sam. 15:5-14, 31; 18:6-14). Pandan w ap panse ak istwa a, fè Jewova konnen ki jan w santi w lefètke yo te mal aji avè w (Sòm 6:6-9). Apre sa, imajine jan David dwe te santi l apre tout bagay sa yo te fin rive l. Li te renmen Absalon e li te fè Ayitofèl konfyans. Epoutan, toule de moun sa yo ki te pwòch li te trayi l. David te soufri anpil e yo te menm eseye touye l. David te ka sispann fè lòt zanmi l yo konfyans e li te ka sispèk yo te nan konplo ak Absalon tou. Li te ka panse ak tèt li sèlman e li te ka vle kouri kite peyi a poukont li. Oubyen tou, li te ka annik kite dekourajman pote l ale. Olye de sa, li te priye Jewova pou l mande l èd, e l te mande zanmi l yo pou yo ede l tou. Anplis de sa, li te aji byen vit pou l fè sa l te deside a. Li te kontinye met konfyans li nan Jewova e li te kontinye fè zanmi l yo konfyans. w21.03 15 § 7-8; 17 § 10-11.