BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es22 p. 67-77
  • Jiyè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jiyè
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
  • Soutit
  • Vandredi 1ye jiyè
  • Samdi 2 jiyè
  • Dimanch 3 jiyè
  • Lendi 4 jiyè
  • Madi 5 jiyè
  • Mèkredi 6 jiyè
  • Jedi 7 jiyè
  • Vandredi 8 jiyè
  • Samdi 9 jiyè
  • Dimanch 10 jiyè
  • Lendi 11 jiyè
  • Madi 12 jiyè
  • Mèkredi 13 jiyè
  • Jedi 14 jiyè
  • Vandredi 15 jiyè
  • Samdi 16 jiyè
  • Dimanch 17 jiyè
  • Lendi 18 jiyè
  • Madi 19 jiyè
  • Mèkredi 20 jiyè
  • Jedi 21 jiyè
  • Vandredi 22 jiyè
  • Samdi 23 jiyè
  • Dimanch 24 jiyè
  • Lendi 25 jiyè
  • Madi 26 jiyè
  • Mèkredi 27 jiyè
  • Jedi 28 jiyè
  • Vandredi 29 jiyè
  • Samdi 30 jiyè
  • Dimanch 31 jiyè
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2022
es22 p. 67-77

Jiyè

Vandredi 1ye jiyè

Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a. — Mat. 28:18.

Nou dwe vin zanmi Jezi pou Jewova ka reponn priyè n yo. Sa mande plis pase annik di “nan non Jezi” pou lafòm lè n ap priye. Nou dwe konprann fason Jewova sèvi ak Jezi pou l reponn priyè n yo. Men sa Jezi te di apot li yo: “Kèlkeswa sa nou mande nan non m, m ap fè l.” (Jan 14:13). Byenke se Jewova ki tande priyè nou yo e ki reponn yo, li bay Jezi otorite pou l egzekite desizyon Li pran yo. Donk, anvan Bondye reponn priyè nou, li gade pou l wè si n aplike konsèy Jezi bay. Pa egzanp, Jezi te di: “Si nou padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. Men, si nou pa padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou pap padone nou tou lè nou peche.” (Mat. 6:14,  15). Donk, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou n trete lòt moun menm jan Jewova ak Jezi trete nou an! w20.04 22 § 6.

Samdi 2 jiyè

Nou vin anonse nou bon nouvèl la, pou nou ka vire do bay bagay sa yo ki pa vo anyen, pou nou vin jwenn Bondye vivan an. — Tra. 14:15.

Apot Pòl te rive konprann sa k te enterese moun ki t ap koute l yo, e li te adapte mesaj la. Pa egzanp, foul moun li t ap preche nan Lis yo pa t gen anpil konesans sou Ekriti yo. Se sa k fè l te sèvi ak rezònman yo te ka konprann. Li te pale konsènan jaden ki bay anpil rannman ak posiblite pou moun pran plezi nan lavi a. Li te sèvi ak mo ak egzanp yo te ka konprann byen fasil. Sèvi ak kapasite w genyen pou w konprann nan pou w rive wè sa k enterese moun nan tèritwa w la epi pou w adapte mesaj w ap preche a. Ki jan w ka rive wè sa k enterese yon moun pandan w ap mache pou w al kote l oubyen pou w al lakay li? Ou bezwen montre w se yon bon obsèvatè. Petèt l ap fè jaden, l ap li yon liv, l ap repare yon machin oubyen l ap fè kèk lòt aktivite. Si posib, sa w panse si w ta sèvi ak sa l ap fè a pou w kòmanse yon konvèsasyon avè l (Jan 4:7)? Menm rad ki sou yon moun ka ede w konprann kiyès li ye. Petèt sa ka fè w konnen nan ki peyi l soti, ki travay l ap fè oswa ki ekip li pi renmen. w20.04 11 § 11-12.

Dimanch 3 jiyè

Lage tout tètchaje nou genyen sou [Bondye], paske li gen sousi pou nou. — 1 Pyè 5:7.

Akoz gwo tètchaje kèk frè ak kèk sè genyen, yo ka santi yo gen anpil strès e yo ka pa santi yo alèz lè yo avèk lòt moun. Yo ka twouve l difisil lè yo ansanm ak anpil moun, men yo kontinye asiste reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo. Yo twouve l difisil pou yo pale ak moun yo pa konnen, poutan yo patisipe nan travay predikasyon an. Si se ka pa w, pran kouraj, ou pa poukò w. Gen anpil moun ki nan menm sitiyasyon avè w. Sonje Jewova apresye efò w fè ak tout kè w. Lefètke w kenbe djanm, se prèv Jewova beni w e li ba w fòs ou bezwen an (Flp. 4:6, 7). Si w ap sèvi Jewova malgre w gen pwoblèm sante oswa pwoblèm afektif, ou mèt gen asirans ou fè Jewova plezi. Anpil nan nou gen pwoblèm sante, epoutan n ap andire (2 Kor. 4:16). Grasa èd Jewova, nou tout ap fini kous la! w20.04 31 § 20-21.

Lendi 4 jiyè

Kalite li yo ki envizib [...] parèt klè [...] nan bagay li fè yo. — Wom. 1:20.

Sajès Bondye parèt aklè nan fason li fè tè a, kote n ap viv la (Ebre 3:4). Tè a san parèy paske li ranpli tout kondisyon pou pèmèt lèzòm kontinye viv. Nou ka konpare tè a ki nan lespas ak yon bato k ap flote sou gwo lanmè. Men, gen yon gwo diferans ant tè nou an ak yon bato moun fè ki chaje ak moun. Pa egzanp, konbyen tan moun ki nan yon bato ka kontinye viv si se yo ki ta dwe fè oksijèn pou yo respire, manje pou yo manje ak dlo pou yo bwè, e si yo pa gen posiblite pou yo jete okenn fatra ki gen nan bato a? Sa pa t ap pran tan pou moun ki nan bato sa a mouri. Poutan, tè a gen plizyè milya moun ak bèt k ap viv sou li. Se li ki fè tout oksijèn, tout manje ak tout dlo nou bezwen e nou pa manke okenn nan bagay sa yo ki enpòtan anpil. Fatra k ap fèt sou tè a pa al vide nan lespas, epoutan, tè a rete bèl e moun ka kontinye viv sou li. Ki jan sa fè posib? Jewova te fè tè a ak kapasite pou l transfòme menm sa k pa bon ankò pou fè yo vin tounen bagay ki itil. w20.05 20 § 3-4.

Madi 5 jiyè

Nou pap mouri pyès. — Jen. 3:4.

Satan te fè Èv konnen Jewova se yon mantè. Konsa, Satan te vin tounen yon dyab oubyen yon medizan. Satan te twonpe Èv nèt, e Èv te kwè l (1 Tim. 2:14). Li te fè Satan plis konfyans pase Jewova. E sa te vin fè l pi fasil pou Èv pran pi move desizyon an. Li te deside dezobeyi Jewova. Li te kòmanse manje fwi Jewova te ba l lòd pou l pa manje a. Apre sa, li te bay Adan tou (Jen. 3:6). Pandan yon moman, reflechi sou sa Èv te dwe di Satan. Imajine Èv te di Satan: “M pa konn kiyès ou ye, men mwen konnen Papa m, Jewova, epi mwen renmen l e mwen fè l konfyans. Li bay Adan avè m tout sa nou genyen. Ki jan w fè vin di m move bagay sou li? Al fè wout ou!” Se pa ti kontan Jewova t ap kontan tande jan pitit fi l la renmen l e li fidèl avè l (Pwo. 27:11)! Men, ni Èv ni Adan pa t gen lanmou fidèl pou Jewova. Lefètke Adan ak Èv pa t gen lanmou sa a pou Papa yo a, yo pa t defann non l pou yo anpeche yo lage vèni sou li. w20.06 4 § 10-11.

Mèkredi 6 jiyè

Medam k ap fè konnen bon nouvèl la se yon gwo lame. — Sòm 68:11.

Sè nou yo merite felisitasyon pou tout sa yo fè nan sèvis Jewova a. Sèvis sa a gen ladan l konstriksyon ak antretyen yon seri lokal, al ede nan gwoup ki pale lòt lang ak travay kòm volontè nan Betèl yo. Yo ede nan operasyon sekou lè gen katastwòf, yo ede nan tradiksyon piblikasyon nou yo e yo sèvi antanke pyonye ak misyonè. Mete sou sa, sè ki marye yo ede mari yo pou yo ka fè tout travay yo gen pou yo fè nan kongregasyon an ak nan òganizasyon an. Frè responsab sa yo pa t ap kapab byen fè travay yo antanke “gason kòm kado” san sipò madanm yo (Efe. 4:8). Ansyen yo ki gen sajès rann yo kont sè yo se “yon gwo lame” ki dispoze travay e byen souvan yo fè pati moun ki pi maton nan preche bon nouvèl la. Ansyen yo rann yo kont tou sè ki gen matirite e ki fidèl yo konn kòman pou yo ede jèn sè yo lè yo gen pwoblèm (Tit 2:3-5). Vrèmanvre, sè nou yo merite pou nou montre lanmou ak rekonesans pou yo! w20.09 23-24 § 13-14.

Jedi 7 jiyè

Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri. — Mat. 18:14.

Jewova pa bliye moun ki te konn sèvi l men ki sispann fè sa pandan yon tan, e l pa bliye travay yo te fè nan sèvis li a (Ebre 6:10). Pwofèt Ezayi te bay yon bèl egzanp pou montre fason Jewova pran swen pèp li a. Men sa Ezayi te ekri: “L ap pran swen twoupo l la menm jan ak yon bèje. L ap rasanble ti mouton yo ak bra l, e l ap pote yo sou lestomak li.” (Eza. 40:11). Ki jan Gran Bèje a santi l lè youn nan ti mouton l yo kite twoupo a? Jezi te fè konn santiman Jewova genyen lè l te mande disip li yo: “Sa nou panse? Si yon nonm gen 100 mouton e youn ladan yo pèdi, èske li pap kite 99 lòt yo sou mòn nan pou l al chèche sa ki pèdi a? E si l rive jwenn sa ki pèdi a, wi, m ap di nou sa: L ap pi kontan pou li pase pou 99 lòt yo ki pa t pèdi.” — Mat. 18:12, 13. w20.06 19-20 § 8-9.

Vandredi 8 jiyè

Si yon moun ap chèche vin siveyan, se yon bèl travay li ta renmen genyen. — 1 Tim. 3:1.

Se yon privilèj pou n fè tout sa n kapab nan sèvis Jewova (Sòm 27:4; 84:10). Si yon frè dispoze fè plis nan òganizasyon Jewova a, se yon bon bagay. Sepandan, lè li resevwa asiyasyon an, li pa dwe bay tèt li twòp enpòtans (Lik 17:7-10). Li ta dwe gen objektif pou l sèvi lòt moun avèk imilite (2 Kor. 12:15). Bib la pale konsènan plizyè moun ki te bay tèt yo twòp enpòtans. Dyotrèf pa t konn limit li. Li te chèche “pran latèt” nan kongregasyon an (3 Jan 9). Ògèy te pouse Ozyas chèche fè yon travay Jewova pa t ba l fè (2 Kwo. 26:16-21). Absalon te aji avèk riz pou l te ka jwenn favè pèp la paske l te vle vin wa (2 Sam. 15:2-6). Jan istwa sa yo montre sa klè nan Bib la, Jewova pa pran plezi nan moun k ap chèche bay tèt yo glwa (Pwo. 25:27). Rive yon lè, ògèy ak anbisyon yo genyen an ap mennen nan katastwòf. — Pwo. 16:18. w20.07 4 § 7-8.

Samdi 9 jiyè

Chak moun ap pote pwòp chay pa l. — Gal. 6:5.

Gen kèk fanmi kretyen ki al viv nan lòt peyi pou yo chape anba sitiyasyon difisil ki gen nan peyi yo oswa pou y al travay. Sa vin fè pitit yo al nan lekòl ki pale lang peyi kote yo ye a. Paran yo gendwa bezwen aprann lang peyi sa a tou pou yo ka jwenn travay. Ki sa y ap fè si gen yon kongregasyon oswa yon gwoup nan lang manman yo? Nan ki kongregasyon fanmi an ta dwe asiste reyinyon yo? Èske yo ta dwe al nan kongregasyon kote yo pale lang peyi kote y al viv la, oswa nan sa ki pale lang peyi kote yo soti a? Se chèf fanmi an ki dwe deside nan ki kongregasyon fanmi l ap asiste reyinyon. Piske se yon desizyon pèsonèl, se chèf fanmi an ki dwe chèche konnen sa ki pi bon pou fanmi l. Nou bezwen respekte desizyon chèf fanmi an pran an. Kèlkeswa desizyon l pran, nou dwe aksepte l, nou dwe akeyi fanmi an nan kongregasyon an, epi montre nou renmen yo. — Wom. 15:7. w20.08 30 § 17-18.

Dimanch 10 jiyè

Bondye chwazi bagay fèb nan monn nan. — 1 Kor. 1:27.

Si nou vle Jewova ban nou pisans, nou pa dwe panse se fòs nou genyen, edikasyon nou te resevwa, kote nou te leve oswa richès nou genyen ki fè nou gen valè. Se pa bagay sa yo ki fè nou itil Jewova. Anfèt, pa gen anpil moun k ap sèvi Bondye “ki save dapre lèzòm, ni anpil moun ki gen pouvwa, ni anpil moun ki fèt nan gran fanmi”. (1 Kor. 1:26.) Kidonk, pa panse ou pa ka sèvi Jewova si w pa gen bagay sa yo. Okontrè, lefètke w pa genyen yo sa ba w posiblite pou w wè pisans Jewova k ap aji nan ou. Pa egzanp, si w ta santi w kraponnen devan moun k ap eseye fè w gen dout sou kwayans ou, priye Jewova pou l ba w kran lè w ap defann lafwa w (Efe. 6:19, 20). Si w ap lite ak yon maladi k ap fatige w, mande Jewova pou l ba w fòs ou bezwen pou w ka ret aktif nan sèvis li mezi w kapab. Chak fwa w wè Jewova ede w, w ap vin gen plis lafwa e w ap vin pi djanm. w20.07 16 § 9.

Lendi 11 jiyè

Chèche Wayòm nan an premye. — Mat. 6:33.

Si nou vle met Wayòm nan an premye nan lavi nou, nou dwe fè menm jan ak Abraram ki te dispoze fè sakrifis pou l fè Bondye plezi (Mak 10:28-30; Ebre 11:8-10). Pa atann nou pap jwenn pwoblèm nan lavi n. Menm moun ki fè tout vi yo nan sèvis Jewova konn gen pwoblèm (Jak 1:2; 1 Pyè 5:9). Jodi a, nou gen plis rezon pou nou ret konsantre sou lavni. Evènman k ap pase nan monn nan montre aklè n ap viv nan dènye pati dènye jou sistèm sa a. Pami tout benediksyon nou pral jwenn anba dominasyon Wayòm nan, n ap kontan wè moun nou renmen yo retounen viv ankò. Lè sa a, Jewova ap rekonpanse Abraram pou lafwa l ak pasyans li lè l fè li menm ak fanmi l retounen viv sou tè a ankò. Èske w ap la pou w akeyi yo? Ou kapab la si menm jan ak Abraram ou dispoze fè sakrifis pou Wayòm Bondye a, si w kenbe lafwa w djanm malgre pwoblèm, e si w aprann tann Jewova avèk pasyans. — Mic. 7:7. w20.08 5-6 § 13-14; 7 § 17.

Madi 12 jiyè

Se pou w rete fidèl jiska lamò, e m ap ba ou kouwòn lavi a. — Rev. 2:10.

Nou konnen si ènmi n yo touye nou, Jewova ap reban nou lavi (Rev. 2:10). Nou gen konviksyon pa gen anyen yo ka fè pou anpeche n ret atache ak Jewova (Wom. 8:35-39). Se pa ti sajès Jewova montre l genyen lefètke l ban nou esperans rezirèksyon an! Grasa esperans sa a, nou pa pè si moun k ap soutni Satan yo ta menase y ap touye nou. E esperans sa a ban nou anpil kouraj pou n ret fidèl ak Jewova. Si moun ki rayi Jewova yo ta menase w y ap touye w, èske w ap gen konfyans Jewova ap resisite w? Ki jan w ap fè konnen? Youn nan bagay ou ka fè se mande tèt ou: ‘Èske m montre aklè m fè Jewova konfyans nan ti desizyon m ap pran chak jou?’ (Lik 16:10). Yon lòt kesyon ou ka poze tèt ou se: ‘Èske fason m ap viv montre m gen konfyans nan pwomès Jewova fè pou l ban m sa m bezwen pou m viv si m mete Wayòm nan an premye?’ (Mat. 6:31-33). Si repons pou kesyon sa yo se wi, w ap pare lè w gen pou fè fas ak kèlkeswa eprèv ou ta ka jwenn alavni. — Pwo. 3:5, 6. w20.08 17-18 § 15-16.

Mèkredi 13 jiyè

Fè tout sa w kapab pou w prezante tèt ou bay Bondye antanke moun li apwouve, antanke yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont e ki manyen pawòl verite a kòrèkteman. — 2 Tim. 2:15.

Nou bezwen vin maton nan fason n ap sèvi ak Pawòl Bondye a. Nou ka aprann kèk fason pou n fè sa nan reyinyon yo. Men, si n vle konvenk lòt moun pou yo kwè verite ki nan Bib la kapab ede yo, nou bezwen gen yon bon pwogram pou n etidye Bib la regilyèman. Nou bezwen sèvi ak Pawòl Bondye a pou n fè lafwa n vin pi solid. Sa mande plis pase annik li Bib la. Nou bezwen medite sou sa n li yo epi fè rechèch nan piblikasyon nou yo pou n ka byen konprann sa ki nan Bib la epi mete yo an pratik (1 Tim. 4:13-15). Konsa, n ap kapab sèvi ak Pawòl Bondye a pou n anseye lòt moun. Nou pap annik li yon vèsè nan Bib la ak yo. N ap bezwen ede yo konprann vèsè a ak fason li ka itil yo. Lè n gen yon bon pwogram pou n etidye Bib la, n ap kapab sèvi ak Pawòl Bondye a pi byen pou n anseye lòt moun. — 2 Tim. 3:16, 17. w20.09 28 § 12.

Jedi 14 jiyè

Reflechi seryezman sou [Jezi] [...] pou nou pa fatige e pou nou pa abandone. — Ebre 12:3.

N ap ka kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi n si n panse ak tout sa Jewova ap fè pou l ede nou. Pa egzanp, li ban nou anpil manje espirityèl: li ban n anpil piblikasyon, kit se sa ki enprime oswa sou fòm elektwonik, genyen ki sou fòm odyo oswa videyo. Fè yon ti reflechi: Sou sit ofisyèl nou an, gen enfòmasyon ki disponib nan plis pase 1 000 lang (Mat. 24:45-47)! Yon lòt fason nou ka kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi n se lè n suiv egzanp Jezi. Li pa t kite anyen anpeche l bay temwayaj sou laverite (Jan 18:37). Li pa t koute Satan lè Satan te ofri l “tout wayòm ki nan monn nan ak glwa ki gen ladan yo”, ni li pa t pran nan pyèj lè lòt moun te vle fè l vin wa (Mat. 4:8, 9; Jan 6:15). Li pa t chèche posede yon pakèt byen materyèl, e li pa t pè lè l te jwenn gwo opozisyon (Lik 9:58; Jan 8:59). Lè lafwa n ap pase anba eprèv, n ap kapab kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi nou si n sonje konsèy apot Pòl te bay nan tèks pou jounen an. w20.09 9-10 § 6-7.

Vandredi 15 jiyè

Se pou nou imite m, menm jan mwen menm, mwen imite Kris. — 1 Kor. 11:1.

Se pa ti kontan nou kontan gen tout sè sa yo k ap travay di nan kongregasyon an! Yo patisipe nan reyinyon yo, yo preche e yo anseye bon nouvèl la. Gen kèk ladan yo ki patisipe nan pran swen Sal Wayòm nan e yo montre yo gen sousi pou frè ak sè yo. Se vre, yo gen pwoblèm pa yo. Gen nan yo k ap pran swen paran yo ki granmoun. Gen lòt ki jwenn opozisyon nan fanmi yo. E gen lòt ankò k ap leve pitit yo poukont yo k ap travay di pou pran swen yo. Poukisa nou dwe ankouraje sè nou yo? Paske, nan monn nan, yo pa toujou bay fi yo respè yo merite. Anplis de sa, Labib mande n pou n ankouraje sè n yo. Pa egzanp, apot Pòl te ankouraje kongregasyon ki nan vil Wòm nan pou l akeyi Febe epi “ba l kèlkeswa èd li ta bezwen”. (Wom. 16:1, 2.) Pòl te leve nan yon kilti ki pa t bay fi valè e yo te konn rabese yo. Men, lè l te vin kretyen li te imite Jezi, li te respekte medam yo e li te janti ak yo. w20.09 20 § 1-2.

Samdi 16 jiyè

Fè disip [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. — Mat. 28:19, 20.

Men kèk kesyon nou kapab poze etidyan yo pou nou ede yo anvi preche bon nouvèl la: “Lefètke w aksepte mesaj Wayòm nan, ki jan sa ede w viv pi byen? Èske w panse lòt moun bezwen tande mesaj sa a? Ki sa w ka fè pou w ede yo?” (Pwo. 3:27; Mat. 9:37, 38). Sonje Jezi te mande nou pou nou anseye lòt moun pou yo “obeyi tout bagay” li te ban nou lòd pou nou fè yo. Se sèten sa gen ladan l de pi gwo kòmandman yo: renmen Bondye epi renmen pwochen nou, de kòmandman ki gen rapò dirèk ak travay preche epi fè disip la (Mat. 22:37-39). Anfèt, prensipal rezon ki fè nou patisipe nan travay predikasyon an se lanmou. Nou konprann gen kèk etidyan Labib ki gendwa pè patisipe nan travay predikasyon an. Men, nou ka bay etidyan sa yo asirans y ap rive venk lakrentif yo gen pou moun nan tikras pa tikras grasa èd Jewova. — Sòm 18:1-3; Pwo. 29:25. w20.11 3 § 6-8.

Dimanch 17 jiyè

Nou pa janm sispann priye pou nou. — Kol. 1:9.

Lè w ap prepare etid la, priye Jewova pou etidyan an ak sa l bezwen. Mande Jewova pou l ede w anseye sa k nan Bib la yon fason k ap touche kè etidyan an. Toujou sonje objektif ou se ede etidyan an fè pwogrè pou l batize. Etidyan an bezwen kominike ak Jewova tou. Ki jan? Lè l koute Jewova e lè l pale avè l. Li ka koute Bondye lè l li Labib chak jou (Joz. 1:8; Sòm 1:1-3). Li ka pale ak Jewova lè l priye chak jou. Donk, priye ak tout kè w anvan w kòmanse etid la ak lè w fini l. Priye ak etidyan an epi priye pou li. Pandan l ap koute priyè w ap fè yo, l ap aprann fason pou l priye Jewova Dye ak tout kè l nan non Jezi Kris e l ap aprann fè priyè ki sensè (Mat. 6:9; Jan 15:16). Lè etidyan an li Labib chak jou (lè l koute Jewova) ak lè l priye (lè l pale ak Jewova), imajine jan sa ap ede l vin pi pwòch Bondye. — Jak 4:8. w20.10 8 § 8; 9 § 10-11.

Lendi 18 jiyè

Kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a. — Efe. 4:3.

Jodi a, òganizasyon Jewova a ap travay di pou kontinye gen lòd ak lapè, menm jan sa te ye nan kongregasyon premye syèk la (Tra. 16:4, 5). Ann pran yon egzanp: Si w ta oblije asiste yon etid Toudegad nan yon lòt kongregasyon oswa nan yon lòt peyi, ou t ap deja konnen ki jan y ap kondui etid la e ki atik y ap etidye. Ou t ap santi w lakay ou menm kote a. Se lespri Bondye sèlman ki ka fè gen inite sa a! (Sof. 3:9, nòt.) Sa w kapab fè? Mande tèt ou: ‘Èske m travay pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an? Èske m obeyi moun ki alatèt yo? Èske lòt moun ka konte sou mwen, sitou si m gen responsablite nan kongregasyon an? Èske m toujou alè, èske m renmen ede moun e m toujou pare pou m sèvi yo?’ (Li Jak 3:17.) Si w rann ou kont gen kèk bagay ou bezwen korije, priye Jewova pou w mande l lespri sen. Plis ou kite lespri sen ede w amelyore pèsonalite w e w kite l enfliyanse fason w aji, se plis frè w ak sè w yo ap renmen w e y ap ba w valè. w20.10 23 § 12-13.

Madi 19 jiyè

Se pou nou obeyi pawòl la, se pa pou nou ret ap tande l sèlman. — Jak 1:22.

Pawòl Bondye a ka tankou yon glas pou nou gade tèt nou (Jak 1:23-25). Pifò nan nou gad nan glas chak maten anvan nou soti. Konsa, nou ka wè si n bezwen ranje yon bagay anvan lòt moun wè nou. Menm jan an tou, lè n li Bib la chak jou, n ap wè fason nou ka korije panse nou ak konpòtman nou. Gen anpil moun ki twouve lè yo li tèks pou jounen an chak maten anvan yo soti sa ede yo. Yo kite sa yo li a aji sou panse yo. Epi, pandan jounen an, yo chèche wè fason yo ka aplike konsèy yo jwenn nan Pawòl Bondye a. Anplis de sa, nou dwe pran abitid li epi medite sou Pawòl Bondye a chak jou. Sa ka parèt senp, men, se youn nan bagay ki pi enpòtan nou ka fè pou n kontinye mache nan wout jennen ki mennen nan lavi a. Nan yon sans, Pawòl Bondye a tankou yon aparèy pou fè radyografi, li ede n wè ki moun nou ye toutbon. Men, nou dwe gen imilite si n vle jwenn byenfè nan konsèy nou jwenn nan Bib la oswa nan men moun ki reprezante Bondye yo. w20.11 18 § 3; 20 § 8.

Mèkredi 20 jiyè

Kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun. — Tra. 16:5.

Menm lè kretyen nan premye syèk yo te konn jwenn pèsekisyon souvan, gen moman yo te konn gen lapè. Ki sa disip yo te konn fè nan moman sa yo? Gason ak fi fidèl sa yo te konn preche bon nouvèl la san rete. Selon sa liv Travay la di, yo te “mache nan lakrentif pou Jewova”. Yo te kontinye preche bon nouvèl la, e kòm rezilta, yo “te kontinye ap grandi”. Li klè, Jewova te beni efò yo te fè pou yo preche pandan te gen lapè (Tra. 9:26-31). Kretyen nan premye syèk yo te pwofite tout okazyon yo te jwenn pou yo gaye bon nouvèl la. Pa egzanp, lè apot Pòl te rann li kont te gen yon gwo pòt ki ouvri devan l nan vil Efèz, li te pwofite tout okazyon l jwenn pou l preche e pou l fè disip nan vil sa a (1 Kor. 16:8, 9). Disip yo te fè gwo efò pou yo preche “bon nouvèl ki nan pawòl Jewova a”. (Tra. 15:30-35.) Ki rezilta yo te jwenn? Nou jwenn repons lan nan tèks pou jounen an. w20.09 16 § 6-8.

Jedi 21 jiyè

Se yon moun ki fè gen lanmò. — 1 Kor. 15:21.

Lè Adan te peche, li te lage kalamite nonsèlman sou tèt pa l, men tou, sou desandan l yo. Nou kontinye ap sibi konsekans terib dezobeyisans Adan an lakòz. Men, lefètke Bondye resisite Pitit li a, nou kapab gen yon bèl avni! Labib fè konnen “se yon moun tou ki fè gen rezirèksyon”, anpalan de Jezi. “Paske”, jan apot Pòl te di sa, “menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi”. (1 Kor. 15:22.) Lè Pòl te di “nan Adan tout moun mouri”, li t ap panse ak desandan Adan yo ki eritye peche ak enpèfeksyon nan Adan, sa ki lakòz yo mouri (Wom. 5:12). Adan pa fè pati moun ki “pral retounen jwenn lavi” yo. Li pa benefisye ranson Kris la. Piske l te pafè, se espre l te fè lè l te dezobeyi Bondye. Adan sibi menm sò k ap tann moun “Pitit lòm nan” pral fè konnen se “kabrit” yo ye: moun sa “yo pral mouri pou toutan”. — Mat. 25:31-33, 46; Ebre 5:9. w20.12 5 § 13-14.

Vandredi 22 jiyè

Jewova [...] konnen moun ki gen imilite yo. — Sòm 138:6.

Si n pa resevwa yon asiyasyon nou ta renmen genyen, panse ak egzanp zanj ki fidèl yo ban nou. Nan epòk wa Ahab t ap dirije, Jewova te mande zanj yo pou yo di ki jan yo t ap twonpe wa mechan sa a. Plizyè zanj te bay ide pa yo. Men, Bondye te chwazi ide youn nan zanj yo e li te fè l konnen l ap reyisi (1 Wa 22:19-22). Èske lòt zanj fidèl yo te dekouraje pou sa? Èske petèt yo te di tèt yo: ‘Poukisa m te pèdi tan m di sa m panse?’ Nou pa gen okenn rezon pou n kwè yo te aji konsa. Zanj yo gen anpil imilite e yo vle se Jewova sèlman ki jwenn onè (Jij 13:16-18; Rev. 19:10). Sonje pi gwo privilèj nou genyen se lefètke n pote non Bondye e n ap anonse Wayòm li an. Se pa yon asiyasyon ki fè n gen valè pou Bondye. Se lè n rekonèt limit nou ak lè n gen imilite nou vin gen valè toutbon ni pou Jewova ni pou frè n ak sè n yo. Se poutèt sa, sipliye Jewova pou l ede w kontinye rekonèt limit ou e pou w gen imilite. Reflechi sou egzanp moun ki te rekonèt limit yo e ki te gen imilite yo pale de yo nan Pawòl Bondye a. Se pou w dispoze sèvi frè w ak sè w yo tout jan w kapab. — 1 Pyè 5:5. w20.12 26 § 16-17.

Samdi 23 jiyè

Aksepte kas delivrans lan ak epe lespri a, sètadi pawòl Bondye a. — Efe. 6:17.

Kas delivrans lan se esperans Jewova ban nou an. Esperans sa a fè n konnen l ap rekonpanse tout moun ki fè volonte l, e si n ta mouri l ap resisite n (1 Tes. 5:8; 1 Tim. 4:10; Tit 1:1, 2). Esperans delivrans lan pwoteje kapasite n genyen pou n reflechi a. Li fè n ret konsantre sou pwomès Bondye yo e li ede n pou n pa kite pwoblèm yo pote n ale. Nou montre nou mete kas sa a lè n fè efò pou panse nou toujou ann amoni ak panse Bondye. Pa egzanp, nou pa met espwa nou nan richès ki pa sèten, men nou mete l nan Bondye (Sòm 26:2; 104:34; 1 Tim. 6:17). Epe lespri a se Labib, Pawòl Bondye a. Epe sa a gen pouvwa pou l fè tout manti parèt aklè e pou l libere moun anba esklavaj fo ansèyman ak move abitid (2 Kor. 10:4, 5; 2 Tim. 3:16, 17; Ebre 4:12). Nou aprann byen sèvi ak epe sa a, lè n fè etid pèsonèl e lè n kite òganizasyon Bondye a fòme nou. — 2 Tim. 2:15. w21.03 27 § 4; 29 § 10-11.

Dimanch 24 jiyè

Mwen te sou zile yo rele Patmòs la, poutèt mwen t ap pale de Bondye e poutèt mwen t ap bay temwayaj sou Jezi. — Rev. 1:9.

Menm lè apot Jan te nan prizon poutèt li t ap preche konsènan Jezi, li te montre nan aksyon l li te renmen moun. Pa egzanp, li te ekri revelasyon li te resevwa a e li te voye l bay kongregasyon yo pou yo te ka konnen sa ki “gen pou rive talè konsa”. (Rev. 1:1.) Annapre, petèt se lè Jan te sot nan prizon sou zile Patmòs li te ekri Evanjil ki te pale de lavi Jezi ak travay predikasyon li te fè a. Li te ekri twa lòt lèt pou l te ka ankouraje frè ak sè yo. Nou ka imite Jan ki te mennen yon vi sakrifis, e montre nouse yon moun ki renmen moun nan sa n chwazi fè ak lavi n. Sistèm Satan an ankouraje w panse ak tèt ou sèlman, pou w chèche fè anpil lajan oswa pou w chèche gen gwo renome. Yon lòt bò, pwoklamatè Wayòm nan sou tout tè a pa wè tèt yo sèlman. Okontrè, yo pase kantite tan yo kapab nan preche bon nouvèl la ak nan ede lòt moun pwoche bò kot Jewova. w21.01 10 § 9-10.

Lendi 25 jiyè

Jonatan te vin renmen David menm jan l te renmen pwòp tèt li. — 1 Sam. 18:1.

Jonatan te ka vin jalou David. Antanke pitit gason wa Sayil, Jonatan te ka fè konnen se li ki gen dwa eritye twòn nan (1 Sam. 20:31). Men, Jonatan te gen imilite e li te fidèl ak Jewova. Se sa k fè li te soutni chwa Jewova te fè a ak tout kè l pou se David ki vin wa. Li te fidèl ak David tou, menm lè sa te fè Sayil fache anpil (1 Sam. 20:32-34). Jonatan te gen gwo afeksyon pou David, se sa k fè li pa t wè David kòm yon advèsè. Jonatan te fò nan tire flèch e li te yon sòlda vanyan. Tout moun te konnen li menm ak Sayil papa l kòm moun ki te “pi rapid pase èg” e ki te “gen plis fòs pase lyon”. (2 Sam. 1:22, 23.) Se sa k fè Jonatan te ka vante tèt li pou gwo bagay li te fè. Men, Jonatan pa t eseye montre li pi bon pase David e l pa t fè jalouzi pou bon bagay David te fè. Okontrè, Jonatan te montre David li apresye l pou kouraj li e lefètke li te konte sou Jewova. Anfèt, se apre David te fin touye Golyat Jonatan te kòmanse renmen David menm jan li renmen pwòp tèt li. w21.01 21 § 6; 22 § 8-9.

Madi 26 jiyè

Chèf fi se gason. — 1 Kor. 11:3.

Tout kretyen anba otorite Jezi Kris, yon chèf ki pafè. Men, lè yon sè marye, li vin anba otorite yon gason ki enpafè. Sa ka pa toujou fasil. Se sa k fè, lè yon sè enterese nan yon frè e li wè frè sa a te ka vin mari l, l ap bon pou sè a poze tèt li kesyon ki vin annapre yo: ‘Ki sa k montre m frè sa a ap yon bon chèf fanmi? Èske sèvi Jewova se bagay ki pi enpòtan nan lavi l? Si se pa sa k pi enpòtan pou li, ki sa k fè m panse l ap ka ede fanmi an gen bon relasyon ak Jewova apre maryaj nou?’ Nòmalman, yon sè ta dwe poze tèt li kesyon sa yo tou: ‘Ki kalite mwen genyen k ap itil nan maryaj la? Èske m gen pasyans e èske m renmen bay? Èske m gen yon relasyon solid ak Jewova?’ (Ekl. 4:9, 12). Lè yon fi pran bon desizyon anvan li marye, sa ka fè l jwenn anpil kè kontan nan maryaj li. Gen plizyè milyon sè ki bay bèl egzanp lefètke yo soumèt devan mari yo. Yo merite felisitasyon! w21.02 8 § 1-2.

Mèkredi 27 jiyè

Vin Masedwàn pou w ede nou. — Tra. 16:9.

Nan dènye ane sa yo, gen anpil pwoklamatè ki te fikse objektif pou yo aprann yon lòt lang pou yo ka fè plis nan travay predikasyon an epi al sèvi nan kongregasyon ki pale lòt lang ki bezwen plis pwoklamatè. Yo pran desizyon sa a pou yo kapab fè plis nan sèvis Jewova a. Se vre, sa ka pran anpil ane pou yo rive pale lang y ap aprann nan byen, sepandan, yo itil kongregasyon sa yo anpil. Bèl kalite ak eksperyans yo genyen ankouraje frè ak sè yo anpil. Nou renmen frè ak sè sa yo pou sakrifis yo fè! Gwoup ansyen an pa ta dwe deside yo pap rekòmande yon frè pou l sèvi kòm ansyen oswa sèvitè ministeryèl jis paske frè sa a poko fin alèz nan lang yo pale nan kongregasyon an. Ansyen yo ap verifye si wi ou non yon frè kalifye pou l sèvi kòm ansyen oswa sèvitè ministeryèl selon sa Bib la di sou sa, men yo pap baze sou jan frè a alèz oswa l pa alèz pou l pale lang kongregasyon an. — 1 Tim. 3:1-10, 12, 13; Tit 1:5-9. w20.08 30 § 15-16.

Jedi 28 jiyè

Frè m yo, konsidere se yon jwa total lè nou rankontre divès kalite eprèv. — Jak 1:2.

Gen moun ki ka panse sèl rezon ki ka fè yo gen kè kontan se si yo gen sante, yo gen anpil lajan e gen lapè nan fanmi yo. Men, kalite jwa Jak te pale de li a fè pati fwi lespri Bondye a e li pa depann de sa k ap pase nan lavi yon moun (Gal. 5:22). Yon kretyen gen lajwa, oswa li gen kè kontan toutbon, lefètke l konnen li fè Jewova plezi e li suiv egzanp Jezi (Lik 6:22, 23; Kol. 1:10, 11). Menm jan ak yon flanm ki ret byen limen anndan yon vè lanp, se konsa tou, lajwa Jewova bay la ret byen djanm nan fon kè nou. Nou pap pèdi jwa nou genyen an lè nou malad oswa lè nou razè. Nou pap pèdi l tou lè moun pase nou nan rizib oswa lè moun nan fanmi nou oubyen lòt moun opoze avè n. Okontrè, n ap vin gen plis jwa chak fwa moun ki opoze avè n yo ap eseye fè n pèdi l. Eprèv nou jwenn akoz lafwa nou montre nou se vrè disip Kris (Mat. 10:22; 24:9; Jan 15:20). Se sa k fè Jak te ekri pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. w21.02 28 § 6.

Vandredi 29 jiyè

Yon bèl ti pawòl fè kè [yon moun] kontan. — Pwo. 12:25.

Lè w jwenn yon seri vèsè nan Bib la ki montre se lè yon moun ret dousman e li met konfyans li nan Jewova l ap jwenn fòs, fè efò pou w aprann kèk nan yo pa kè. Yon bagay ki ka ede w se lè w li vèsè sa yo awotvwa oswa w ekri yo e w gade yo tanzantan. Jewova te bay Jozye lòd pou l li liv Lalwa a tou ba regilyèman pou l ka aji avèk sajès. Rapèl sa yo t ap ede l tou pou l pa t pè e pou l te jwenn kouraj pou l gide pèp Bondye a (Joz. 1:8, 9). Gen anpil vèsè nan Pawòl Bondye a ki ka fè lespri nou ak kè nou anpè nan yon seri sitiyasyon ki te kapab fè nou enkyete oswa panike (Sòm 27:1-3; Pwo. 3:25, 26). Nan reyinyon yo, enstriksyon nou jwenn nan diskou yo, kòmantè moun nan asistans lan ansanm ak konvèsasyon ankourajan nou gen ak frè ak sè yo ede nou (Ebre 10:24, 25). Nou kapab jwenn anpil ankourajman tou lè nou di zanmi nou fè konfyans ki nan kongregasyon an sa n santi. w21.01 6 § 15-16.

Samdi 30 jiyè

Se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo. — 1 Tim. 4:12.

Lè w te batize, ou te montre w gen anpil lafwa ak anpil konfyans nan Jewova. E Jewova te kontan dèske w te vin fè pati fanmi l. Kounye a, sa w bezwen fè, se kontinye konte sou Jewova. Petèt, li kapab fasil pou w konte sou Jewova lè w gen desizyon ki enpòtan anpil pou w pran. Men, ki sa w ap fè nan lòt sitiyasyon yo? Li vrèman enpòtan pou w konte sou Jewova nan kèlkeswa desizyon w ap pran, kit se detant w ap chwazi, travay w ap aksepte, ak sa w ta renmen fè ak lavi w! Pa konte sou entèlijans ou. Okontrè, chèche konn ki prensip biblik k ap ede w nan chak sitiyasyon, epi chèche aplike l (Pwo. 3:5, 6). Si w fè sa, w ap fè kè Jewova kontan e frè ak sè yo nan kongregasyon an ap gen respè pou ou. Nòmalman, ou enpafè menm jan ak tout moun, e w ap fè erè pafwa. Men, ou pa ta dwe kite sa anpeche w fè tout sa w kapab nan sèvis Jewova a. w21.03 6 § 14-15.

Dimanch 31 jiyè

Mwen te delivre anba bouch lyon an. — 2 Tim. 4:17.

Èske gen moun nan fanmi w k ap ba w pwoblèm paske w ap sèvi Jewova? Oswa, èske w ap viv nan yon peyi kote yo met gwo restriksyon sou travay pèp Jewova a oswa yo menm entèdi l? Si se ka pa w, ou kapab li 2 Timote 1:12-16 ak 4:6-11, 17-22, e sa ap ankouraje w. Lè apot Pòl te ekri pawòl sa yo li te nan prizon. Anvan w li vèsè sa yo, di Jewova ki pwoblèm ou genyen epi di l ki jan sa fè w santi w. Fè l konnen egzakteman sa w santi. Apre sa, mande l pou l ede w wè ki prensip nan istwa Pòl la k ap ede w konnen ki jan pou w reyaji devan difikilte ou genyen an. Jewova te gentan fè Pòl konnen li t ap jwenn pèsekisyon poutèt li se kretyen (Tra. 21:11-13). Ki jan Jewova te ede Pòl. Li te reponn priyè Pòl te fè yo, e annapre li te ba l pisans. Jewova te bay Pòl asirans l ap resevwa rekonpans li te travay di anpil pou li a. Jewova te itilize zanmi fidèl Pòl te genyen yo pou ba l èd li te bezwen. w21.03 17-18 § 14-15, 19.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje