Out
Lendi 1ye out
San mwen menm, nou pa ka fè anyen ditou. — Jan 15:5.
Se sèl moun ki bon zanmi Jezi k ap jwenn byenfè grasa sakrifis ranson Jezi a. Jezi te di li t ap “bay lavi l pou zanmi l”. (Jan 15:13.) Moun fidèl ki t ap viv anvan Jezi te vin sou tè a pral oblije aprann konnen l epi vin renmen l. Gason ak fi sa yo pral resisite. Men, menm sèvitè Jewova sa yo ki te jis ap bezwen vin zanmi Jezi pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an (Jan 17:3; Tra. 24:15; Ebre 11:8-12, 24-26, 31). Nou kontan kolabore ansanm ak Jezi nan preche ak anseye bon nouvèl Wayòm nan. Lè Jezi te sou tè a, li te yon anseyan. E depi lè Jezi retounen nan syèl la antanke chèf kongregasyon an, li kontinye dirije travay preche ak anseye a. Li wè efò w fè pou w ede kantite moun ou kapab pou yo aprann konnen ni li menm ni Papa l e li apresye sa. Anfèt, sèl fason nou ka fè travay sa a se grasa èd Jewova ak Jezi. — Jan 15:4, 5. w20.04 22 § 7-8.
Madi 2 out
De wa sa yo [...] ap bay lòt manti pandan yo chita sou menm tab. — Dàn. 11:27.
Okòmansman, se pisans politik ki te nan nò ak nan sid peyi Izrayèl yo te rele “wa nò” ak “wa sid”. (Dàn. 10:14). Jiska fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an, se nasyon Izrayèl la ki te pèp Bondye. Men, apati moman sa a, Jewova te montre aklè li te chwazi disip fidèl Jezi yo kòm pèp li. Kidonk, anpil nan pwofesi ki nan Dànyèl chapit 11 lan pa gen rapò ak nasyon Izrayèl la, men yo gen rapò ak disip Kris yo (Tra. 2:1-4; Wom. 9:6-8; Gal. 6:15, 16). Epitou, plizyè dirijan oswa plizyè gouvènman te vin jwe wòl wa nò ak wa sid ofiramezi tan t ap pase. Aktout sa, gen kèk bagay ki te fè tout dirijan sa yo sanble. Premyèman, wa sa yo t ap dirije peyi kote anpil moun ki fè pati pèp Bondye a t ap viv oswa yo te pèsekite yo. Dezyèmman, fason yo te aji ak pèp Bondye a te montre yo rayi Jewova, vrè Dye a. E twazyèmman, de wa yo te nan yon gwo lit youn ak lòt. w20.05 3 § 3-4.
Mèkredi 3 out
M ap tounen sa m chwazi tounen. — Egz. 3:14.
Jewova fè kèlkeswa sa l vle a reyalize lè l vin tounen kèlkeswa sa k nesesè pou l reyalize objektif li. Mete sou sa, Jewova ka fè moun k ap sèvi l yo ki enpafè vin tounen sa k nesesè pou sèvi l e pou reyalize objektif li (Eza. 64:8). Konsa, Jewova fè volonte l fèt. Pa gen anyen ki ka anpeche l reyalize objektif li (Eza. 46:10, 11). Nou ka vin gen plis rekonesans pou Papa nou an ki nan syèl la lè nou medite sou sa l fè e sou sa l pèmèt nou fè. Pa egzanp, lè nou medite sou mèvèy ki gen nan kreyasyon an, nou rete bouch ouvè devan tout sa Jewova reyalize ak sa l fè vin egziste (Sòm 8:3, 4). E lè nou medite sou sa Jewova pèmèt nou vin tounen pou nou ka fè volonte l, nou vin gen gwo respè pou li. Vrèmanvre, non Jewova se yon non ki estrawòdinè! Li montre tout sa Papa nou an ye, tout sa l fè ak tout sa l pral fè. — Sòm 89:7, 8. w20.06 9-10 § 6-7.
Jedi 4 out
Bondye [...] bay tout moun lavi ak souf. — Tra. 17:24, 25.
Oksijèn se yon gaz moun ak bèt bezwen pou yo kontinye viv. Dapre kalkil ki fèt, moun ak bèt respire san milya tòn oksijèn nan yon ane. Menm kreyati sa yo, lè y ap respire, yo rale oksijèn e sa yo pouse met deyò a se yon gaz ki rele gaz kabonik. Men, kreyati vivan sa yo pa janm rive sèvi ak tout oksijèn ki genyen an e atmosfè a pa janm vin gen twòp gaz kabonik ladan l. Sa k fè sa? Paske Jewova kreye plant yo, soti nan gwo pyebwa rive nan ti plant ki toupiti ki nan lanmè, ki kapte gaz kabonik e ki lage oksijèn nan lè a. Fason oksijèn nan renouvle montre pawòl ki nan tèks pou jounen an se laverite. Ki jan nou ka vin gen plis rekonesans pou planèt estrawòdinè nou an ak tout sa li pèmèt nou jwenn? (Sòm 115:16) Youn nan fason nou ka fè sa, se lè nou pran tan pou nou reflechi sou bagay Jewova fè yo. Sa ap pouse nou di Jewova mèsi chak jou pou bon bagay li ban nou. Epitou, nou montre nou apresye tè a lè nou fè efò pou nou kenbe kote n ap viv la pwòp. w20.05 22 § 5, 7.
Vandredi 5 out
Se sèten m ap fè moun rekonèt non estrawòdinè mwen genyen an se yon non ki sen malgre nou fè nasyon yo pa gen respè pou li. — Eze. 36:23.
Jewova aji avèk sajès, pasyans ak jistis pou l pwòpte non l. Mete sou sa, li montre jan li Toupisan divès fason. Sa k pi enpòtan an, lanmou l parèt nan tout sa l fè (1 Jan 4:8). Jewova pa sispann travay pou l fè non l vin sen. Satan kontinye ap lage vèni sou non Bondye jodi a. Li twonpe moun yo lè l fè yo gen dout sou jan Bondye gen pisans, jistis, sajès ak lanmou. Pa egzanp, Satan eseye konvenk moun se pa Jewova ki Kreyatè a. E si moun yo aksepte Bondye egziste, Satan eseye fè yo kwè Bondye ak prensip li yo twò di e yo pa jis. Li menm anseye moun yo Jewova se yon Dye ki gen kè di e ki mechan k ap boule moun nan lanfè. Lè yo kwè nan manti konsa, yo vin gen plis tandans pou yo pa aksepte Jewova kòm yon Chèf ki jis. Toutotan Satan poko detwi, l ap eseye fè w vire do bay Jewova tou. Èske l ap reyisi? w20.06 5 § 13-15.
Samdi 6 out
Pa gen ni Grèk ni Juif, ni moun ki sikonsi ni moun ki pa sikonsi, ni etranje ni Sit, ni esklav ni moun ki lib. Men, Kris se tout bagay e li nan nou tout. — Kol. 3:11.
Nan anpil kongregasyon, ap toujou gen frè ak sè k ap fè efò pou yo aprann yon nouvo lang. Li ka difisil pou yo di sa k nan panse yo. Si n pa ret ap gade fason yo pale lang y ap aprann nan, n ap rive wè jan yo renmen Jewova ak jan yo anvi sèvi l. Si n konsantre sou bèl kalite yo genyen, n ap renmen yo anpil e n ap respekte yo. Nou pap fè yo panse nou pa bezwen yo jis paske yo pa pale lang pa nou an byen. Nou gen anpil rekonesans dèske Jewova bay nou chak yon plas nan kongregasyon l lan. Kit nou se yon gason oswa yon fi, kit nou marye oswa n selibatè, kit nou jèn oswa n granmoun, kit nou alèz nan yon lang oswa n pa pale l byen, nou tout gen anpil valè pou Jewova e pou frè ak sè n yo (Wom. 12:4, 5; Kol. 3:10, 11). Ann chèche jwenn plis okazyon pou n montre nou bay plas nou ak plas lòt moun nan kongregasyon Jewova a anpil valè. w20.08 31 § 20-22.
Dimanch 7 out
Gen kèk mesye ki te vin jwenn li, e yo te vin kwè. — Tra. 17:34.
Apot Pòl pa t dekouraje ak moun Atèn yo menm lè vil yo a te chaje ak zidòl, ak imoralite seksyèl e ak filozofi payen. Li pa t kite pawòl derespektan yo t ap di l yo dekouraje l nonplis. Pòl li menm te vin yon kretyen, menm lè anvan sa li te “yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan”. (1 Tim. 1:13.) Menm jan Jezi te wè Pòl te ka vin yon disip, se konsa tou Pòl te wè moun Atèn yo te ka vin disip Kris. E li te gen rezon gen asirans sa a (Tra. 9:13-15). Nan premye syèk la, tout kalite moun te vin disip Jezi. Lè Pòl te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Korent, nan peyi Lagrès yo, li te di gen kèk moun nan kongregasyon sa a ki te konn fè move aksyon anvan sa, e ki t ap mennen yon vi ki te imoral anpil. Men sa li ajoute apre sa: “Se sa kèk nan nou te ye. Men, yo lave nou.” (1 Kor. 6:9-11). Si se te ou, èske w t ap wè moun sa yo kapab chanje pou yo vin disip Kris? w20.04 12 § 15-16.
Lendi 8 out
Mwen pa kapab ankò! [...] Se pou w pran lavi m. — 1Wa 19:4.
Ansyen yo pa dwe kouri jije moun ki kòmanse ap mande tèt yo si sa vo lapenn pou yo sèvi Jewova. Olye ansyen yo kondane yo, yo dwe fè efò pou yo konprann poukisa yo pale oswa yo aji konsa. Se apre sa, ansyen yo kapab sèvi ak Bib la pou ankouraje yo. Pwofèt Eli te kouri pou rèn Jezabèl (1 Wa 19:1-3). Li te santi travay li t ap fè a pa t gen okenn valè e li te vle mouri (1 Wa 19:10). Jewova pa t kondane Eli, men, li te ba l asirans li pa t poukont li, li te dwe gen konfyans nan pouvwa Bondye e li te gen anpil travay pou l fè toujou pou Jewova. Jewova te aji avèk bonte, li te koute Eli ki t ap fè l konnen sa k ba l pwoblèm, epi li te ba l lòt travay pou l fè (1 Wa 19:11-16, 18). Ki leson nou ka aprann? Nou tout, sitou ansyen yo, nou dwe trete sèvitè Jewova yo avèk bonte. Kit yon moun fè konnen jan l fache oubyen l di li santi Jewova pap janm padone l, ansyen yo ap koute l pandan l ap fè yo konnen sa k nan kè l. Apre sa, yo pral eseye fè mouton sa a ki pèdi konnen Jewova toujou renmen l. w20.06 22 § 13-14.
Madi 9 out
Yon bon zanmi demontre lanmou toutan. — Pwo. 17:17.
Jewova vle pou n renmen pase tan ak zanmi nou ak moun nan fanmi nou (Sòm 133:1). Jezi te gen bon zanmi (Jan 15:15). Labib montre avantaj ki genyen lè n gen bon zanmi (Pwo. 18:24). Li fè n konnen li pa bon pou n met kò nou apa (Pwo. 18:1). Anpil moun panse rezo sosyal yo se yon mwayen pou yo gen anpil zanmi e pou yo pa santi yo poukont yo. Men, nou bezwen pran prekosyon lè n ap sèvi ak mwayen kominikasyon sa a. Gen plizyè etid ki montre moun ki pase yon pakèt tan ap gade sa lòt moun poste sou rezo sosyal kapab finalman santi yo poukont yo e yo ka fè depresyon. Sa k fè sa? Petèt youn nan rezon yo se paske byen souvan moun k ap poste foto sou rezo sosyal yo mete foto yo te pran nan moman ki pi enteresan nan lavi yo, yo poste bèl foto pa yo, foto zanmi yo ak foto bèl kote yo te vizite. Yon moun ki wè foto sa yo ka panse lavi pa l raz. w20.07 5-6 § 12-13.
Mèkredi 10 out
Apot yo ak ansyen yo reyini pou yo egzamine kesyon an. — Tra. 15:6.
Toudegad 1ye oktòb 1988 (fransè) di: “Ansyen yo rekonèt Kris ka sèvi ak lespri sen pou l pouse nenpòt frè ki fè pati gwoup ansyen an atire atansyon yo sou prensip ki baze sou Bib la ki ka ede yo fè fas ak kèlkeswa sitiyasyon an oswa pran yon desizyon enpòtan (Tra. 15:7-15). Okenn frè nan gwoup ansyen an pa dwe panse se avè l sèlman lespri sen sèvi.” Yon ansyen ki respekte lòt ansyen menm jan avè l pap toujou chèche kouri pran lapawòl anvan nan reyinyon ansyen yo. Li pa domine konvèsasyon yo genyen nan reyinyon yo e li pa panse se opinyon pa l ki toujou bon. Okontrè, li fè konnen sa l panse avèk imilite toutpandan li respekte limit li. Li koute sa lòt ansyen yo ap di. Sa k pi enpòtan an, li veye pou sa l ap di a baze sou Bib la e li suiv enstriksyon “esklav fidèl ki prevwayan an” bay (Mat. 24:45-47). Lè ansyen yo montre yo gen lanmou ak respè youn pou lòt lè y ap pale sou yon bagay, lespri sen ap ede yo e l ap gide yo pou yo rive pran bon desizyon. — Jak 3:17, 18. w20.08 27 § 5-6.
Jedi 11 out
Kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen. — Wom. 12:21.
Ènmi apot Pòl yo te gen plis fòs pase l lontan. Byen souvan, yo te konn fè bat li e yo te konn mete l nan prizon. E gen yon seri moun ki te dwe zanmi Pòl ki te mal aji avè l. Gen kèk moun nan kongregasyon an ki te menm opoze avè l (2 Kor. 12:11; Flp. 3:18). Men, Pòl te pot laviktwa sou tout moun ki t ap konbat li yo. Ki jan? Li te kontinye preche malgre opozisyon. Li te ret fidèl ak frè l ak sè l yo menm lè yo te desevwa l. E sa k pi enpòtan an, li te ret fidèl ak Bondye pandan tout vi l (2 Tim. 4:8). Se pa paske l te konte sou pwòp fòs li ki fè l te rive fè fas ak tout pwoblèm sa yo, men se paske l te konte sou Jewova. Èske w oblije fè fas ak moun k ap manke w dega oswa k ap pèsekite w? Objektif ou se pou w fè Pawòl Bondye a chita nan lespri ak nan kè moun. Ou ka rive fè sa lè w sèvi ak Bib la pou w reponn kesyon moun yo poze, lè w demontre respè ak jantiyès pou moun ki mal aji avè w e lè w fè byen pou tout moun, menm moun ki ènmi w. — Mat. 5:44; 1 Pyè 3:15-17. w20.07 17-18 § 14-15.
Vandredi 12 out
Grasa imilite w mwen vin yon moun enpòtan. — 2 Sam. 22:36.
Èske n ka di toutbonvre Jewova gen imilite? Wi, e pawòl David di la yo montre l te rekonèt sa (Sòm 18:35). Petèt David t ap panse ak jou pwofèt Samyèl te vin kay papa l pou l vide luil sou tèt moun ki t ap vin wa peyi Izrayèl la. Se David ki te pi piti nan uit mesye yo, aktout sa, se li Jewova te chwazi pou ranplase wa Sayil (1 Sam. 16:1, 10-13). Se sèten David t ap dakò ak pawòl youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te di konsènan Jewova: “Li bese pou l gade syèl la ak tè a, li leve malere a nan pousyè a. Li leve pòv la [...] pou l ka fè l chita pami gwo potanta yo.” (Sòm 113:6-8). Jewova montre li gen imilite nan fason l aji ak adoratè l yo ki enpafè. Nonsèlman li aksepte adorasyon n ap ba li a, men tou, li konsidere n kòm zanmi l (Sòm 25:14). Pou Jewova aksepte nou kòm zanmi l, li deside bay Pitit Gason l lan kòm sakrifis pou peche nou. Se pa ti mizèrikòd ak konpasyon li gen pou nou! w20.08 8 § 1-3.
Samdi 13 out
[Jewova] pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti. — 2 Pyè 3:9.
Jewova deja konnen ki jou ak ki lè li pral met fen nan monn mechan sa a (Mat. 24:36). Jewova pap pèdi pasyans kòmkwa pou l ta aji anvan lè. Se vre li gen yon gwo anvi pou l resisite moun ki mouri yo, men, li gen pasyans (Jòb 14:14, 15). L ap ret tann jiskaske moman l deside a rive pou l reba yo lavi (Jan 5:28). Nou gen bonjan rezon pou n gen rekonesans pou pasyans Jewova. Fè yon ti reflechi: Se paske Jewova gen pasyans ki fè anpil moun, san wete nou menm, gentan “rive repanti”. Jewova vle pou pifò moun posib rive jwenn lavi ki pap janm fini an. Donk, ann montre nou gen rekonesans pou pasyans li. Ki jan? Lè n fè tout sa n kapab pou n chèche moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” e lè nou ede yo aprann renmen Jewova epi vin sèvi l (Tra. 13:48). Konsa, y ap benefisye pasyans Jewova menm jan avè n. w20.08 18 § 17.
Dimanch 14 out
Fè m konnen wout ou yo, o Jewova. Montre m chemen w yo. — Sòm 25:4.
Sa yon etidyan aprann nan etid la dwe nonsèlman gen efè sou panse l, men sa dwe touche kè l tou. Poukisa? Kè nou, sa gen ladan l dezi nou, emosyon nou ak santiman nou, pouse nou aji. Jezi te konn rezone ak moun yo lè l ap anseye e yo te renmen aprann nan men l. Men, rezon ki fè moun yo te suiv li se paske li te konn touche kè yo tou (Lik 24:15, 27, 32). Etidyan w lan bezwen wè Jewova kòm yon Moun toutbon, yon Moun li ka vin gen bon relasyon avè l e li dwe wè L kòm Papa l, Bondye l ak Zanmi l (Sòm 25:5). Pandan etid la, atire atansyon etidyan an sou bèl kalite Bondye genyen yo (Egz. 34:5, 6; 1 Pyè 5:6, 7). Kèlkeswa sijè w ap egzamine ak etidyan an, ede l wè ki Moun Jewova ye. Atire atansyon l sou bèl kalite Jewova genyen yo, tankou lanmou, bonte ak konpasyon. Jezi te di “pi gwo kòmandman an, e se premye a”, se “renmen Jewova, Bondye nou an”. (Mat. 22:37, 38.) Chèche ede etidyan an pou l vin renmen Jewova anpil. w20.10 10 § 12.
Lendi 15 out
Jezi te renmen Mat ansanm ak sè l la ak Laza. — Jan 11:5.
Jezi te respekte tout fi (Jan 4:27). Li te gen anpil konsiderasyon pou medam ki t ap fè volonte Papa l yo. N ap remake, Jezi te konsidere medam yo kòm sè l lè l t ap pale de moun ki t ap fè volonte Jewova menm jan avè l (Mat. 12:50). Jezi te yon vrè zanmi pou yo tou. Ann pran egzanp Mari ak Mat, de medam ki te zanmi l e sanble ki te selibatè (Lik 10:38-42). Li klè, Jezi te mete yo alèz nan fason l te pale avèk yo ak fason l te aji avèk yo. Pa egzanp, Mari ki te yon disip Jezi te santi l alèz pou l chita nan pye l. E lè Mat te kontrarye lefètke Mari pa t ede l fè manje, Mat te santi l alèz pou l di Jezi sa l panse. Nan ti moman sa a yo t ap pase ansanm nan, Jezi te aprann medam yo yon seri leson enpòtan. Epitou, li te montre li gen sousi pou de sè sa yo ak Laza, frè yo a, lefètke l te vizite yo nan lòt okazyon (Jan 12:1-3). Nou konprann rezon ki fè lè Laza te malad grav, Mari ak Mat te konnen yo te kapab mande Jezi ede yo. — Jan 11:3. w20.09 20 § 3; 21 § 6.
Madi 16 out
Yo te panse Wayòm Bondye a t apral parèt tousuit. — Lik 19:11.
Disip Jezi yo te espere Wayòm nan t ap “parèt tousuit” e li t ap delivre yo anba jouk Women yo. Se pa ti tann n ap tann jou kote Wayòm Bondye a pral elimine mechanste e li pral tabli monn nouvo a ki pral chaje ak moun ki obeyi Bondye (2 Pyè 3:13)! Men, nou bezwen gen pasyans e n bezwen tann moman Jewova chwazi pou sa a. Jewova te bay Noye kont tan l pou l konstwi lach la e pou l “preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5; 1 Pyè 3:20.) Jewova te koute Abraram lè Abraram pa t sispann poze l kesyon sou yon desizyon L te pran pou l detwi moun nan vil Sodòm ak Gomò, de vil ki te chaje ak mechanste (Jen. 18:20-33). Pandan plizyè syèk, Jewova te pran anpil pasyans ak nasyon Izrayèl la ki pa t fidèl (Ney. 9:30, 31). Jodi a, nou wè jan Jewova gen pasyans lefètke li bay tout moun ki vle vin zanmi l ase tan pou yo “repanti”. (2 Pyè 3:9; Jan 6:44; 1 Tim. 2:3, 4.) Egzanp Jewova ban nou fè n gen bonjan rezon pou n demontre pasyans pandan n ap kontinye preche e n ap kontinye anseye. w20.09 10 § 8-9.
Mèkredi 17 out
Pral gen yon rezirèksyon. — Tra. 24:15.
Lè Jewova resisite moun yo, l ap reba yo memwa ak pèsonalite yo te genyen an. Fè yon ti reflechi sou tout sa sa vle di. Jewova tèlman renmen nou li sonje tout sa n gen nan panse nou, santiman nou, pawòl nou ak aksyon nou. Lè Jewova ap resisite yon moun, l ap fasil pou l fè moun nan tounen jan l te ye a. Wa David te konnen jis nan ki pwen Jewova byen konnen nou chak (Sòm 139:1-4). Ki jan w santi w lè w rive konprann jis nan ki pwen Jewova konnen nou? Lè n medite sou jan Jewova konnen nou byen, nou pa ta dwe enkyete nou. Poukisa? Se paske n gen anpil valè nan je l. Chak moun se yon moun apa pou Jewova. Li sonje tout sa nou te viv nan lavi nou ki fè n vin moun nou ye a. Sa vrèman ban nou asirans! Nou pa ta dwe janm santi n poukont nou. Chak jou, chak minit, Jewova bò kote nou e l ap chèche okazyon pou l ede nou. — 2 Kwo. 16:9. w20.08 17 § 13-14.
Jedi 18 out
M ap fè w gen bon konprann e m ap fè w konnen ki chemen pou w pran. — Sòm 32:8.
Jewova renmen anseye pèp li a. Li vle yo konnen l, li vle yo renmen l e li vle yo viv pou toutan antanke pitit li renmen anpil. Tout sa t ap enposib si l pa t anseye yo (Jan 17:3). Jewova te itilize kongregasyon kretyen premye syèk la pou l anseye pèp li a (Kol. 1:9, 10). Lespri sen, “èd la” Jezi te pwomèt la, te jwe yon gwo wòl nan sa (Jan 14:16). Lespri sen te ede disip yo pi byen konprann Pawòl Bondye a e li te ede yo sonje tout sa Jezi te di ak tout sa l te fè, jan sa te parèt nan Evanjil yo annapre. Konesans sa a te ranfòse lafwa kretyen premye syèk yo, e sa te fè yo vin pi renmen Bondye ak Pitit li a, epi vin gen plis lanmou youn pou lòt. Jewova te fè konnen, “nan dènye jou yo”, moun nan tout nasyon t ap vin sou mòn li an pou l fè yo konnen wout li yo (Eza. 2:2, 3). Nou wè pwofesi sa a k ap akonpli. w20.10 24 § 14-15.
Vandredi 19 out
Yon moun ki gen bon konprann ap vin konnen fason pou l aji avèk ladrès. — Pwo. 1:5.
Ki sa k ta ka fè yon moun pa koute bon konsèy yon zanmi l ki renmen l ba li? Ògèy. Moun ki gen ògèy renmen koute moun k ap “fè zòrèy yo dous”. Yo “vire do yo pou yo pa koute laverite”. (2 Tim. 4:3, 4.) Yo panse yo pa bezwen konsèy, paske yo met nan tèt yo yo gen plis sajès oswa yo pi enpòtan pase lòt moun. Sepandan, men sa apot Pòl te ekri: “Si yon moun panse li se yon bagay alòske li pa anyen, se pwòp tèt li l ap twonpe.” (Gal. 6:3). Wa Salomon te esplike sa byen. Men sa l te ekri: “Yon jèn gason ki malere, men ki gen sajès, pi bon pase yon wa ki granmoun, men ki sòt e ki pa koute konsèy menm.” (Ekl. 4:13). Remake sa apot Pyè te fè lè apot Pòl te reprann li devan tout moun (Gal. 2:11-14). Pyè te ka fache pou sa Pòl te di a, pou fason l te pale avè l la ak kote li te chwazi di l sa a. Men, Pyè te gen sajès. Li te aksepte konsèy la e li pa t kenbe Pòl sou kè. Okontrè, annapre li te pale de Pòl kòm yon “frè byenneme”. — 2 Pyè 3:15. w20.11 21 § 9, 11-12.
Samdi 20 out
Fè disip [...], anseye yo. — Mat. 28:19, 20.
Sa k ap plis ede etidyan yo fè pwogrè, se lè yo asiste reyinyon yo. Enstriksyon ki baze sou Bib la yo bay nan reyinyon yo ap ede yo vin gen plis konesans, sa ap fòtifye lafwa yo e sa ap ede yo vin pi renmen Bondye (Tra. 15:30-32). Ansuit, pwoklamatè a ka pale ak etidyan an sou fason lanmou l pou Jewova te pouse l obeyi kòmandman l yo (2 Kor. 7:1; Flp. 4:13). Lè etidyan yo vin konnen plizyè pwoklamatè ki fidèl, etidyan yo ka aprann nan egzanp yo sa sa vle di pou yo obeyi lòd Kris te bay pou nou renmen Bondye e pou nou renmen pwochen nou (Jan 13:35; 1 Tim. 4:12). Yon etidyan Labib kapab aprann nan egzanp pwoklamatè ki te gen menm pwoblèm avè l, sa ka ede l konprann li kapab fè chanjman ki nesesè k ap ede l vin yon disip Kris (Det. 30:11). Chak moun nan kongregasyon an kapab fè yon bagay pou ede etidyan yo fè pwogrè. — Mat. 5:16. w20.11 5 § 10-12.
Dimanch 21 out
Mwen batay ak bèt sovaj nan Efèz. — 1 Kor. 15:32.
Petèt apot Pòl t ap pale de batay li te fè ak bèt toutbon nan yon estad nan vil Efèz (2 Kor. 1:8; 4:10; 11:23). Oubyen tou, li te gendwa ap pale de Juif ki pa t vle wè l yo oswa lòt moun ki te tankou “bèt sovaj”. (Tra. 19:26-34; 1 Kor. 16:9.) Kèlkeswa sa l te ye a, Pòl te fè fas ak gwo danje. Men, li te ret konsantre sou bèl avni ki te rezève pou li a (1 Kor. 15:30, 31; 2 Kor. 4:16-18). N ap viv nan yon epòk ki gen anpil danje. Gen kèk nan frè nou yo ki viktim zak kriminèl. Gen lòt k ap viv nan zòn ki gen lagè, e yo pa an sekirite menm. Gen lòt menm ki riske lavi yo ak libète yo pou yo ka sèvi Jewova nan peyi kote yo mete restriksyon sou travay predikasyon an oswa yo entèdi l. Aktout sa, frè ak sè sa yo kontinye adore Jewova, e yo se bèl egzanp pou nou. Yo gen konviksyon, menmsi yo ta pèdi lavi yo, Jewova rezève yon avni pou yo ki pi bon lontan. w20.12 9 § 3-4.
Lendi 22 out
Nou se konpayon travay Bondye. Nou menm, nou se jaden Bondye bay kiltive, nou se kay Bondye ap bati. — 1 Kor. 3:9.
Èske pafwa ou konn santi w dekouraje paske tèritwa kote w ap preche a sanble pa bay rezilta? Si se ka pa w, ki sa w ka fè pou w kontinye gen kè kontan oswa pou w gen plis kè kontan? Li enpòtan pou w wè travay predikasyon an yon fason ki pozitif. Ki sa sa vle di? Kontinye pwoklame non Bondye ak Wayòm li an. Jezi te di byen klè se yon tikras moun k ap jwenn wout lavi a (Mat. 7:13, 14). Lè nou nan travay predikasyon an, se yon onè pou nou travay ak Jewova ak Jezi ansanm ak zanj yo (Mat. 28:19, 20; Rev. 14:6, 7). Jewova rale moun ki vle sèvi l yo vini (Jan 6:44). Donk, si yon moun pa byen resevwa mesaj n ap preche a kounye a, li ka dispoze tande l yon lòt lè. Men sa Deborah, sè nou te pale de li pi wo a, di: “Dekourajman se yon gwo zam Satan itilize kont nou.” Men, zam Satan yo pa gen okenn fòs devan Jewova Dye. w20.12 26 § 18-19; 27 § 21.
Madi 23 out
Annou kontinye gen lanmou youn pou lòt, paske se nan Bondye lanmou soti. — 1 Jan 4:7.
Gen anpil kretyen fidèl ki oblije travay aplentan pou yo ka pran swen tèt yo ak fanmi yo. Menm lè sa a, pwoklamatè fidèl sa yo soutni òganizasyon Bondye a tout jan yo kapab. Pa egzanp, gen kèk ladan yo ki bay èd lè gen katastwòf. Gen lòt ki travay nan pwojè konstriksyon, e tout moun kapab bay kòb pou travay mondyal la. Yo fè tout sa, paske yo renmen Bondye e yo renmen pwochen yo. Chak semèn, nou montre nou renmen frè n ak sè n yo lè nou asiste reyinyon nan kongregasyon an e lè nou patisipe ladan yo. Menm lè nou fatige, nou la nan reyinyon yo. Menm lè nou ka pè pale, nou fè kòmantè. Menm lè nou chak gen pwoblèm pa nou, nou ankouraje youn lòt anvan oswa apre reyinyon yo (Ebre 10:24, 25). Se pa ti rekonesans nou genyen pou travay pwoklamatè parèy nou yo fè! w21.01 10 § 11.
Mèkredi 24 out
Pinga nou chèche pase pou pi bon. — Gal. 5:26.
Moun ki gen ògèy twouve l difisil pou yo felisite lòt moun, yo prefere se lòt moun ki fè lwanj pou yo. Yo gen tandans konpare tèt yo ak lòt moun e yo renmen fè konpetisyon. Olye yo fòme lòt moun e yo ba yo otorite, yo gen tandans di: “Si w vle yon travay byen fèt, [fason yo vle a] se ou ki pou fè l.” Souvan, yon moun ki gen ògèy se yon moun ki gen anbisyon e ki jalou sò lòt moun. Si n rann nou kont nou gen ògèy, nou bezwen priye Jewova ak tout kè n pou l ede n “bay lespri nou yon lòt direksyon” pou defo sa a pa vin fè pati pèsonalite nou (Wom. 12:2). Nou gen anpil rekonesans pou egzanp Jewova ban nou (Sòm 18:35)! Nou wè jan l gen imilite nan fason l aji ak sèvitè l yo, e nou vle imite l. E n vle imite bèl egzanp yon seri moun nan Bib la ki te gen privilèj mache ak Bondye te bay. Se pou n toujou bay Jewova onè ak glwa li merite. w20.08 13 § 19-20.
Jedi 25 out
Moun ki marye yo ap jwenn tribilasyon nan lavi yo. — 1 Kor. 7:28.
Maryaj se yon kado Bondye bay ki pafè, men nou menm nou enpafè (1 Jan 1:8). Se sa k fè Pawòl Bondye a avèti moun ki marye yo y ap jwenn yon seri pwoblèm k ap tankou “tribilasyon nan lavi yo”. Jewova atann pou yon mari ki kretyen ede fanmi l gen bon relasyon ak Bondye, fè yo santi li renmen yo epi fè yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv (1 Tim. 5:8). Men, byenke sè ki marye yo okipe anpil, yo dwe pran tan pou yo li Pawòl Bondye a chak jou, pou yo medite sou li e pou yo priye Jewova ak tout kè yo. Sa ka difisil piske sè ki marye yo okipe, men l vrèman enpòtan pou yo pran tan pou yo fè sa. Paske Jewova vle nou chak vin zanmi l epi fè efò pou n kenbe amitye sa a (Tra. 17:27). Nòmalman, yon sè ki marye ka bezwen fè anpil efò pou l soumèt devan mari l ki enpafè. Men, l ap pi fasil pou l jwe wòl Jewova ba li a si l konprann epi aksepte rezon ki fè Jewova mande pou l soumèt devan mari l. w21.02 9 § 3, 6-7.
Vandredi 26 out
Lè lafwa nou sibi eprèv konsa, li bay andirans. — Jak 1:3.
Jak bay yon lòt rezon ki fè kretyen yo dispoze andire menm eprèv ki pi rèd yo. Men sa l di: “Lè lafwa nou sibi eprèv konsa, li bay andirans.” (Jak 1:3). Eprèv kapab tankou dife yo itilize pou yo chofe yon metal y ap plati. Lè yo fin plati metal yo chofe a e yo fè l vin frèt, li vin pi di toujou. Menm jan an tou, lè n andire eprèv, lafwa n vin pi solid. Se poutèt sa, men sa Jak te ekri: “Se pou andirans lan fin fè travay li nèt, pou nou ka konplè, pou nou ka san defo nan tout domèn.” (Jak 1:4). Lè n wè eprèv nou jwenn yo fè lafwa n vin pi solid, n ap ka andire yo ak kè kontan. Nan lèt Jak te ekri a, li te fè konnen tou gen kèk difikilte ki ka fè n pèdi jwa nou. Youn ladan yo se lè n pa konn sa pou n fè. Lè n ap fè fas ak yon eprèv, nou bezwen konte sou Jewova pou l ede nou pran desizyon k ap fè l plezi, k ap bon pou frè n ak sè n yo e k ap ede n rete fidèl (Jer. 10:23). Nou bezwen sajès pou n ka konnen ki sa pou n fè e ki sa n dwe di moun ki opoze avè n yo. Si n pa konn sa pou n fè, nou ka santi n dekouraje e sa ka fè n pèdi jwa nou byen vit. w21.02 28 § 7-9.
Samdi 27 out
Se pou nou youn renmen lòt anpil ak tout kè nou. — 1 Pyè 1:22.
Jewova ban nou egzanp. Lanmou li genyen an tèlman fò, si nou fidèl avè l, li pap janm sispann renmen nou (Wom. 8:38, 39). Mo grèk lè yo tradui l yo mete “anpil” pou li la a bay ide yon moun k ap fè anpil efò pou l demontre lanmou. Pafwa, nou ka bezwen fè anpil efò pou nou gen gwo afeksyon pou kwayan parèy nou. Lè moun fè nou fache, nou bezwen kontinye “sipòte [youn] lòt nan lanmou, [...] toutpandan n ap fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”. (Efe. 4:1-3.) Nou pap ret ap konsantre sou fot frè nou yo, okontrè n ap eseye fè tout sa n kapab pou nou wè frè nou yo menm jan Jewova wè yo (1 Sam. 16:7; Sòm 130:3). Li pa toujou fasil pou nou montre gwo afeksyon pou frè n ak sè n yo, sitou lè n konn defo yo. Petèt se yon bagay ki te difisil anpil pou kèk kretyen nan premye syèk la, menm jan sa te ye pou Evodi ak Sentich. Apot Pòl te ankouraje yo “pou yo gen menm panse nan Seyè a”. — Flp. 4:2, 3. w21.01 22-23 § 10-11.
Dimanch 28 out
Jèn yo, m ap ekri nou paske nou djanm, pawòl Bondye a rete nan nou e nou pot laviktwa sou Mechan an. — 1 Jan 2:14.
Nou menm jèn frè, moun ki aje yo vrèman kontan lefètke n ap sèvi Jewova “kòtakòt” avèk yo (Sof. 3:9)! Yo renmen wè jan nou bay tout fòs nou ak enèji nou nan travay n ap fè. Nou gen anpil valè nan je yo. Jèn frè, pa janm bliye Jewova renmen nou e li fè nou konfyans. Jewova te anonse, nan dènye jou yo, t ap gen yon gwoup jèn gason ki t ap ofri tèt yo san fòse (Sòm 110:1-3). Li konnen nou renmen l e nou vle fè tout sa n kapab nan sèvis li. Se pou nou pran pasyans ak lòt moun, e se pou nou pran pasyans ak tèt nou. Lè nou fè erè, aksepte fòmasyon ak disiplin nou resevwa a kòmsi se Jewova k ap ban nou l (Ebre 12:6). Pran san nou pou nou byen fè nenpòt travay yo ban nou fè. E sa k pi enpòtan an, nan tout sa n ap fè, se pou nou fè Papa nou ki nan syèl la kontan lè l ap gade nou. — Pwo. 27:11. w21.03 7 § 17-18.
Lendi 29 out
Si w dekouraje nan moman pwoblèm, w ap prèske san fòs. — Pwo. 24:10.
Gen anpil bagay ki ka fè nou vin dekouraje, genyen se nan nou yo ye e gen lòt nou pa gen kontwòl yo. Pami bagay sa yo nou jwenn enpèfeksyon nou, feblès nou gen lakay nou ak pwoblèm sante. Se gendwa tou lefètke nou pa jwenn yon privilèj nou ta renmen genyen nan sèvis Jewova a oswa n ap preche nan yon tèritwa ki sanble pa bay rezilta. Li fasil pou nou egzajere enpèfeksyon ak feblès nou gen lakay nou. Se sa k fè, akoz mankman nou genyen yo, nou gendwa kwè Jewova pap janm kite nou antre nan monn nouvo a. Atitid konsa se yon danje. Labib fè konnen tout moun “peche”, sof Jezi Kris (Wom. 3:23). Men, Sila a ki te fè ekri Bib la se pa yon moun k ap chèche fot lakay moun oswa ki atann pou nou pafè. Okontrè, li se yon Papa ki renmen nou e ki vle ede nou. Li gen pasyans tou. Li wè jan n ap lite pou nou venk feblès nou yo e pou nou rive wè tèt nou yon fason ki rezonab, e li dispoze ede nou. — Wom. 7:18, 19. w20.12 22 § 1-3.
Madi 30 out
Anfen, frè m yo, kontinye rejwi, kontinye kite yo redrese nou. — 2 Kor. 13:11.
Nou tout nan yon vwayaj. Objektif nou se viv nan monn nouvo a anba otorite Jewova, Bondye lanmou an. Chak jou, nou eseye mache nan wout ki mennen nan lavi a. Men, jan Jezi te di sa, wout sa a jennen e pafwa li difisil pou nou mache ladan l (Mat. 7:13, 14). Piske n enpafè, li fasil pou n kite wout la (Gal. 6:1). Si n vle kontinye mache nan wout jennen ki mennen nan lavi a, nou dwe dispoze fè chanjman nan fason n panse, nan konpòtman nou ak nan fason n aji. Apot Pòl ankouraje n pou n kontinye “kite yo redrese” nou. Lè n ap eseye egzamine panse nou ak santiman nou, se pa yon bagay ki fasil. Paske kè nou trèt, e sa ka fè l difisil pou n konnen kote l ka mennen nou (Jer. 17:9). Li fasil pou n twonpe tèt nou ak “fo rezònman”. (Jak 1:22.) Se sa k fè nou dwe sèvi ak Pawòl Bondye a pou n egzamine tèt nou. Pawòl Bondye a ede n wè ki moun nou ye toutbon, e l ede n byen konn “panse ak entansyon” ki nan fon kè nou. — Ebre 4:12, 13. w20.11 18 § 1-3.
Mèkredi 31 out
Pran devan nan onore youn lòt. — Wom. 12:10.
Lè n gen imilite e n rekonèt limit nou, li pi fasil pou n gen kè kontan. Sa k fè sa? Lè n rekonèt limit nou n ap gen rekonesans e n ap apresye nenpòt èd nou resevwa nan men lòt moun. Pa egzanp, panse ak lè Jezi te geri dis moun ki te gen lèp yo. Se youn nan yo sèlman ki te retounen vin di Jezi mèsi poutèt li te geri l anba maladi repiyan sa a, yon bagay mesye a pa t ap janm ka fè poukont li. Mesye sa a ki te gen imilite e ki te rekonèt limit li te gen rekonesans pou èd li te resevwa a e li te bay Bondye glwa pou sa (Lik 17:11-19). Li fasil pou moun ki gen imilite e ki rekonèt limit yo antann yo ak lòt moun e li pi fasil pou yo gen bon zanmi. Sa k fè sa? Yo admèt lòt moun gen bèl kalite e yo fè yo konfyans. Moun ki gen imilite e ki rekonèt limit yo kontan lè lòt moun fè yon bon travay, yo pa renka pou yo felisite yo e pou yo onore yo. w20.08 12 § 17-18.