Septanm
Jedi 1ye septanm
Apre sa, m ap vide lespri m sou tout kalite moun. — Jow. 2:28.
Pyè sèvi ak mo ki yon ti jan diferan ak mo Jowèl te itilize nan pwofesi l la (Tra. 2:16, 17). Olye Pyè te di “apre sa” lè l t ap kòmanse sitasyon an, li te di: “Nan dènye jou yo” (nan kontèks la, se te dènye jou sistèm juif la) Bondye t ap gen pou l vide lespri sen “sou tout kalite moun”. Sa montre anpil tan te pase anvan pwofesi Jowèl la reyalize. Apre Bondye te fin vide lespri sen yon fason espesyal sou kretyen yo nan premye syèk la, yo te kòmanse yon travay predikasyon ki t ap gen pou l gaye toupatou sou tè a pi devan. Lè apot Pòl te ekri kretyen nan vil Kolòs yo, nan zòn ane 61 epòk nou an, li te ka di travay predikasyon an fèt “tout kote anba syèl la”. (Kol. 1:23.) Nan epòk Pòl la, “tout kote” te fè referans ak lemonnantye selon sa yo te konnen lè sa a. Avèk èd lespri sen Jewova, ki pisan anpil, travay predikasyon an fèt nan plis peyi nan epòk nou an, li fèt “jis nan dènye bout tè a”! — Tra. 13:47 w20.04 6-7 § 15-16.
Vandredi 2 septanm
Se mwen menm ki pral chèche mouton m yo e se mwen menm k ap pran swen yo. — Eze. 34:11.
Jewova renmen nou chak, san wete mouton ki kite twoupo l la (Mat. 18:12-14). Bondye te pwomèt li t ap chèche mouton l ki pèdi yo e l t ap ede yo vin gen bon relasyon avè l ankò. Li te di l t ap fè menm sa yon bèje izrayelit t ap fè si l pa t wè youn nan mouton l yo (Eze. 34:12-16). Toudabò, bèje a t ap chèche mouton an, sa ki t ap mande anpil tan ak anpil efò. Apre sa, lè bèje a jwenn mouton ki pèdi a, li t ap mennen l tounen nan twoupo a. E si mouton an blese oswa l grangou anpil bèje a t ap ede l ak lanmou paske l fèb, li t ap panse blese l yo, li t ap pran swen l e li t ap ba l manje. Ansyen yo, ki se bèje “twoupo Bondye a”, bezwen fè menm bagay la pou yo ede nenpòt moun ki kite kongregasyon an (1 Pyè 5:2, 3). Ansyen yo chèche moun sa yo, yo ede yo retounen nan twoupo a e yo montre yo renmen yo lè yo ba yo èd yo bezwen pou yo vin zanmi Jewova ankò. w20.06 20 § 10.
Samdi 3 septanm
Jaden yo [...] pare pou rekòt la. — Jan 4:35.
Èske Jezi te wè jaden yo pare pou rekòt la paske l te espere pifò moun t ap vin suiv li? Non, se pa sa ditou. Ekriti yo te anonse t ap gen yon tikras moun ki t ap met lafwa nan li (Jan 12:37, 38). E Jezi te gen kapasite pou l li kè moun, donk li te konnen pa t ap gen anpil moun ki t ap aksepte mesaj li t ap preche a (Mat. 9:4). Aktout sa, li te konsantre sou kèk moun ki t ap vin kwè nan li yo e li te chofe pou l preche tout moun. Alewè pou nou menm ki pa gen kapasite pou n li kè moun, nou pa dwe jije yon tèritwa oswa yon moun! Okontrè, nou dwe wè moun yo kòm moun ki ka vin disip Kris. Nou dwe sonje sa Jezi te di disip li yo. Jaden yo pare pou rekòt. Moun yo ka chanje e yo ka vin disip Kris. Nan je Jewova, moun ki ka vin disip Kris yo se “bagay ki gen anpil valè”. (Aje 2:7.) Si n wè moun jan Jewova ak Jezi wè yo, n ap chèche konn sitiyasyon yo ak sa k enterese yo. Nou pap konsidere yo kòm etranje, men kòm moun ki ka vin frè n ak sè n. w20.04 13 § 18-19.
Dimanch 4 septanm
Mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di. — Jan 15:15.
Pawòl Bondye a montre aklè nou dwe renmen Jezi pou n ka fè Jewova plezi e n dwe kontinye fè sa. Yon bagay nou ka fè pou n vin zanmi Jezi se aprann konnen l. Nou ka fè sa lè n li Matye, Mak, Lik ak Jan, yon seri liv ki nan Bib la. Toutpandan n ap medite sou istwa nan Bib la ki gen rapò ak lavi Jezi, n ap vin renmen Jezi e n ap respekte l paske li te konn demontre bonte nan fason l aji ak moun. Pa egzanp, aktout Jezi te gen otorite sou disip li yo antanke Mèt yo, li pa t konn trete yo tankou esklav. Okontrè, li te konn fè yo konnen sa l panse ak sa l santi. Lè yo te tris, Jezi te tris tou, e l te konn kriye ansanm ak yo (Jan 11:32-36). Menm moun ki te opoze avè l yo te rekonèt li se zanmi moun ki byen reyaji devan mesaj li t ap preche a (Mat. 11:19). Lè n imite Jezi nan fason l te konn aji ak disip li yo, n ap vin gen pi bon relasyon ak lòt moun, n ap santi nou byen, n ap pi kontan e n ap vin gen plis lanmou ak respè pou Kris. w20.04 22 § 9-10.
Lendi 5 septanm
Wa sid la pral prepare yon lame ki gen yon pakèt sòlda vanyan pou l fè lagè avè l. — Dàn. 11:25.
Rive ane 1870, Grann Bretay te vin tounen pi gwo pisans ki gen sou tout tè a, e li te gen lame ki gen plis pisans lan. Yo te prezante pisans sa a kòm yon ti kòn ki pot laviktwa sou twa lòt kòn: Lafrans, Espay ak Peyiba (Dàn. 7:7, 8). E l te kontinye jwe wòl wa sid la pandan yon bon bout tan nan Premye Gè mondyal la. Nan menm epòk sa a, Etazini te vin tounen peyi ki pi rich sou tè a, e l te vin fè yon alyans ak Grann Bretay. Pandan Premye Gè mondyal la, Etazini ak Grann Bretay te vin fè yon alyans militè ki pisan. Nan epòk sa a, Grann Bretay ak Etazini te met tèt yo ansanm e yo te vin tounen pisans mondyal anglo-ameriken an. Jan Dànyèl te anonse sa, wa sa a te rasanble “yon lame ki gen yon pakèt sòlda vanyan”. Pandan dènye jou yo, se Grann Bretay ansanm ak Etazini ki wa sid la. w20.05 4 § 7-8.
Madi 6 septanm
Kote dlo yo soti a, se la yo retounen. — Ekl. 1:7.
Dlo egziste sou fòm likid sou tè a paske planèt nou an nan yon distans ideyal parapò ak solèy la. Si tè a te yon tikras pi pre solèy la, tout dlo ki gen sou tè a t ap tounen vapè e tè a t ap tounen yon bout wòch byen cho ki pa gen lavi sou li. Si tè a te yon tikras pi lwen solèy la, tout dlo t ap tounen glas e tè a t ap vin yon gwo boul glas. Kòm Jewova mete tè a nan yon distans ki ideyal parapò ak solèy la, dlo kapab renouvle e sa pèmèt gen lavi. Solèy la chofe dlo ki nan lanmè a ak dlo ki sou tè a e li fè yo tounen vapè pou yo tounen nyaj. Donk, chak ane, se plizyè milyon doum dlo solèy la fè tounen vapè. Dlo sa a rete nan atmosfè a pou anviwon dis jou anvan l tonbe sou fòm lapli oswa nèj. Finalman, dlo a retounen al nan lanmè oswa nan lòt kote ki gen dlo sou tè a, se konsa dlo renouvle. Fason estrawòdinè dlo renouvle montre Jewova gen anpil sajès ak anpil pisans. — Jòb 36:27, 28. w20.05 22 § 6.
Mèkredi 7 septanm
Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou. — Tra. 1:8.
Jezi ankouraje nou pou n kontinye priye pou n mande Bondye lespri sen (Lik 11:9, 13). Jewova sèvi ak lespri l pou l ban nou “pisans ki depase yon pisans nòmal”. (2 Kor. 4:7.) Grasa lespri Bondye, nou ka fè fas ak nenpòt eprèv nou jwenn. Epitou, lespri sen ka ede n byen fè travay nou nan sèvis n ap bay Bondye a e l ka ogmante talan ak kapasite n genyen. Li ede n akonpli responsablite nou genyen antanke kretyen. An reyalite nou konnen tout bon rezilta nou jwenn nan sèvis Bondye, se pa grasa fòs pa nou, men se grasa èd lespri Bondye. Nou ka montre nou konsidere lespri sen Bondye tankou yon trezò lè nou mande Jewova pou l ede n rive wè move panse oswa move dezi nou ta gen nan kè nou (Sòm 139:23, 24). Lè n fè yon priyè konsa, Jewova ka sèvi ak lespri l pou l ede nou rive wè move panse oswa move tandans nou genyen. Nou dwe priye pou n mande Bondye lespri sen pou l ban nou fòs pou n reziste kont yon panse oswa yon dezi konsa. Lè sa a, n ap montre nou pran detèminasyon pou n evite fè nenpòt bagay ki ka fè Jewova sispann ban nou lespri sen pou ede nou. — Efe. 4:30. w20.05 28-29 § 10-12.
Jedi 8 septanm
Mwen fè yo konnen non w. — Jan 17:26.
Lè nou defann non Jewova, nou suiv egzanp Jezi Kris. Jezi te fè konnen non Papa l nonsèlman lè l te itilize non sa a men tou lè l te fè moun yo konnen kiyès Jewova ye toutbon. Pa egzanp, li te demanti Farizyen yo ki te fè konnen Bondye di, li egzijan, li pa renmen moun e li san pitye. Jezi te ede moun yo wè Papa l kòm yon moun ki rezonab, ki gen pasyans, ki gen lanmou e ki renmen padone. Li te ede yo konnen Jewova nan fason l te byen imite kalite Papa l yo nan lavi l chak jou (Jan 14:9). Menm jan ak Jezi, nou ka aprann moun yo sa nou konnen sou Jewova. Konsa y ap vin konn non Jewova ki sen e y ap respekte non l. Nou ka ede moun yo konnen tou jan li se yon Bondye ki gen lanmou ak bonte. Tank n ap fè sa, n ap montre sa yo di sou Jewova yo ak vèni yo lage sou do l la pa laverite. Pawòl nou ak aksyon nou montre moun yo kiyès Jewova ye toutbonvre. Nou defann non sa a lè nou ede moun yo konn laverite sou non Bondye. w20.06 6 § 17-18.
Vandredi 9 septanm
Pinga nou chèche pase pou pi bon, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt, e pou youn ap rayi sò lòt. — Gal. 5:26.
Nòmalman nou ka sèvi ak rezo sosyal pou n fè bon bagay. Pa egzanp, nou ka sèvi ak yo pou nou kenbe kontak ak fanmi nou ansanm ak zanmi nou. Sepandan, èske w pa wè gen bagay moun yo poste sou rezo sosyal yo se pou yo atire atansyon sou tèt yo? Sanble mesaj yo vle transmèt la se di lòt moun: “Gade m.” Gen kèk moun ki konn menm poste vye kòmantè sal sou foto pa yo oswa sou foto lòt moun poste. Konpòtman sa a tou pa gen anyen pou l wè ak imilite ak afeksyon kretyen yo dwe demontre a (1 Pyè 3:8). Si w sèvi ak rezo sosyal, mande tèt ou: ‘Èske kòmantè, foto oswa videyo mwen poste yo bay moun enpresyon m pran tèt mwen pou yon pakèt afè? Èske mwen ka fè lòt moun santi yo jalou?’ Kretyen yo pa dwe santi yo enpòtan oswa yo pa dwe ap chèche fè lòt moun admire yo. Yo suiv konsèy Bib la bay nou jwenn nan tèks pou jounen an. Si nou gen imilite nou pap vin menm jan ak moun nan monn nan ki gen ògèy e ki vle fè lòt moun kwè yo gen anpil enpòtans. — 1 Jan 2:16. w20.07 6 § 14-15.
Samdi 10 septanm
Lontan mwen te yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan. Sepandan, yo fè m mizèrikòd, paske mwen te nan inyorans. — 1 Tim. 1:13.
Anvan apot Pòl te vin yon disip Kris, li te yon jèn gason ki te ensolan e ki te konn pèsekite disip Jezi yo (Tra. 7:58). Se Jezi ki te fè Pòl, ki te rele Sòl anvan sa, sispann pèsekite kongregasyon an. Jezi te pale ak Pòl detan l nan syèl la e li te fè l vin avèg. Pou Pòl te ka wè ankò, li te oblije chèche èd nan men moun li t ap pèsekite yo. Avèk imilite, li te kite yon disip ki rele Anànyas ede l vin wè ankò (Tra. 9:3-9, 17, 18). Annapre, Pòl te vin yon kretyen moun byen konnen nan kongregasyon an, men li pa t janm bliye leson Jezi te ba l sou wout Damas la. Pòl te kontinye gen imilite, e li te dispoze kite frè l ak sè l yo ede l. Li te rekonèt yo se “yon èd ki [ba l] fòs”. — Kol. 4:10, 11, nòt. w20.07 18-19 § 16-17.
Dimanch 11 septanm
Papa nou twouve li bon pou li ban nou Wayòm nan. — Lik 12:32.
Byenke Jewova Toupisan, li bay lòt moun otorite. Pa egzanp, li met Jezi Wa nan Wayòm nan, e li pral bay 144 000 moun ki pral dirije ansanm ak Jezi yo kèk otorite tou. Yon bagay ki sèten, Jewova te bay Jezi fòmasyon pou l Wa e pou l Gran Prèt (Ebre 5:8, 9). Li bay moun ki pral dirije ak Jezi yo fòmasyon tou, men li pa fin ba yo travay pou yo fè apre sa pou l ap kontwole tout ti detay ki gen nan travay la. Okontrè, li gen konfyans y ap fè sa l mande yo fè a (Rev. 5:10). Si Papa nou ki nan syèl la, ki pa bezwen èd nan men pèsonn, bay lòt moun otorite, èske n pa gen plis rezon toujou pou n fè menm bagay la? Pa egzanp, èske w se yon chèf fanmi oswa yon ansyen nan kongregasyon an? Suiv egzanp Jewova lè w bay lòt moun travay pou yo fè san w pa bezwen ap kontwole tout sa y ap fè. Lè n imite Jewova, nonsèlman travay la ap fèt, men tou, n ap fòme lòt moun e n ap ede yo vin gen plis asirans. — Eza. 41:10. w20.08 9 § 5-6.
Lendi 12 septanm
Se moun ki pèdi yo Pitit lòm nan vin chèche, se yo l vin sove. — Lik 19:10.
Ki jan Jewova vle n konsidere mouton l ki pèdi yo? Nou ka aprann sa nan fason Jezi te aji. Li te konnen tout mouton Jewova yo gen anpil valè nan je l. Se sa k fè Jezi te fè tout sa l kapab pou l ede “mouton ki pèdi ki nan pèp Izrayèl la” tounen vin jwenn Jewova (Mat. 15:24). Antanke bon bèje, Jezi te fè tout sa l kapab tou pou l pa pèdi okenn nan mouton Jewova yo (Jan 6:39). Apot Pòl te mande ansyen ki nan kongregasyon Efèz la pou yo imite egzanp Jezi. “Nou [dwe] ede moun ki fèb yo, e nou dwe sonje pawòl Seyè Jezi yo, li menm ki te di: ‘Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.’” (Tra. 20:17, 35). Sa klè, ansyen yo jodi a gen yon gwo responsablite pou yo pran swen pèp Jewova a. Men sa Salvador, yon ansyen ann Espay, te di: “Lè m reflechi sou fason Jewova gen anpil sousi pou mouton ki pèdi yo, sa motive m pou m fè tout sa m kapab pou m ede yo. Mwen konnen Jewova vle pou m gen sousi pou yo tou.” w20.06 23 § 15-16.
Madi 13 septanm
Ansyen bagay yo disparèt. — Rev. 21:4.
Jewova pral tann avèk pasyans jiskaske Rèy mil an an fini pou n vin pafè. Annatandan, Jewova dispoze padone nou. Kidonk, nou gen bonjan rezon pou n chèche sa ki bon lakay lòt moun e pou n pran pasyans ak yo. Jezi ak zanj yo te gen kè kontan lè tè a te fèk fin kreye. Men, imajine jan yo pral kontan wè tè a chaje ak moun ki pafè, ki renmen Jewova e k ap sèvi l. Imajine lajwa moun Jewova chwazi pou al dirije ak Kris nan syèl la pral genyen lè yo wè bèl travay yo fè e jan lèzòm ap byen pwofite travay sa a (Rev. 4:4, 9-11; 5:9, 10). Epi imajine moman kote moun pral kriye paske kè yo kontan, men se pa paske yo nan lapenn, lè maladi, soufrans ak lanmò pral disparèt pou toutan. Pandan n ap tann moman sa a rive, ann pran detèminasyon pou n imite Papa nou an ki gen lanmou, sajès ak pasyans. Si n fè sa, n ap kontinye gen kè kontan kèlkeswa eprèv nou ta jwenn (Jak 1:2-4). Èske n pa ta dwe gen rekonesans lefètke Jewova pwomèt nou “pral gen yon rezirèksyon”? — Tra. 24:15. w20.08 19 § 18-19.
Mèkredi 14 septanm
Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a. — Mat. 24:14.
Bib la se yon kado Bondye ban nou ki montre jan l renmen nou. Jewova te pouse yon seri mesye ekri Bib la paske l gen anpil sousi pou pitit li yo ki sou tè a. Pa mwayen Bib la, Jewova reponn kesyon ki pi enpòtan nou ka poze, pa egzanp: Ki kote n soti? Poukisa n ap viv? Ki sa demen sere pou nou? Jewova vle tout pitit li yo konnen repons kesyon sa yo, se sa k fè, pandan plizyè syèk, li te fè moun tradui Bib la nan anpil lang. Jodi a, tout Bib la oswa kèk pati ladan l disponib nan plis pase 3 000 lang! Bib la se liv yo plis tradui e yo plis distribye nan tout listwa. Nou ka montre nou gen rekonesans pou li lè n li l chak jou, lè n medite sou sa l anseye e lè n fè tout sa n kapab pou n aplike sa n aprann yo. Mete sou sa, nou montre Bondye nou gen rekonesans lè n fè tout sa n kapab pou n pataje mesaj ki ladan l lan ak kantite moun nou kapab. — Sòm 1:1-3; Mat. 28:19, 20. w20.05 24-25 § 15-16.
Jedi 15 septanm
Akoz pawòl Jewova a, tout lajounen y ap joure m e y ap pase m nan rizib. — Jer. 20:8.
Pwofèt Jeremi t ap preche nan yon tèritwa ki te difisil anpil. Li te vin tèlman dekouraje, li te anvi sispann preche. Men, li pa t fè sa. Paske “pawòl Jewova a” te tankou yon dife anndan ll e li pa t ka kenbe l anndan l (Jer. 20:9). Se sa k rive nou tou lè n ranpli lespri n ak kè n ak Pawòl Bondye a. Se pou sa, nou bezwen etidye Bib la chak jou epi medite sou li. Konsa, n ap ka kontinye gen plis kè kontan, e n ap ka jwenn pi bon rezilta nan travay predikasyon an (Jer. 15:16). Donk, lè w santi w dekouraje, sipliye Jewova pou l ede w. L ap ede w lite ak enpèfeksyon ak feblès ou gen lakay ou. L ap ba w fòs lè w malad. L ap ede w wè responsablite nan sèvis li a yon fason ki pozitif. E l ap ede w wè travay predikasyon an yon fason ki pozitif tou. Kidonk, vide kè w bay Papa w ki nan syèl la pou w di l jan w santi w toutbon. Grasa èd li, w ap ka pot laviktwa sou dekourajman. w20.12 27 § 20-21.
Vandredi 16 septanm
Sipliye granmoun fi yo tankou se te manman w. Sipliye jèn medam yo tankou se te sè w, san okenn move lide. — 1 Tim. 5:2.
Pou kèk sè, reyinyon yo se pi gwo okazyon yo genyen pou yo ansanm ak kwayan parèy yo. Se sa k fè n dwe pwofite okazyon sa yo pou n montre n kontan wè yo, pou n pale ak yo e pou n montre nou apresye yo. Menm jan ak Jezi, nou ka fè efò pou n pase tan ak sè n yo (Lik 10:38-42). Petèt nou ka envite yo manje yon ti manje oswa pran yon ti detant avèk nou. Lè n ap fè sa, n ap veye pou pawòl n ap di ankouraje yo (Wom. 1:11, 12). Ansyen yo dwe chèche gen menm atitid ak Jezi. Li te konnen jan sa ka difisil lè yon moun selibatè, men li te fè konnen nou pa oblije ni marye ni gen pitit pou n toujou gen kè kontan (Lik 11:27, 28). Okontrè, n ap toujou gen kè kontan si sèvi Jewova se bagay ki pi enpòtan nan lavi n (Mat. 19:12). Se sitou ansyen yo ki bezwen konsidere kretyèn yo tankou se te sè yo ak manman yo. Li ta bon pou ansyen yo pran yon ti tan anvan oswa apre reyinyon yo pou yo fè yon ti pale ak sè yo. w20.09 21-22 § 7-9.
Samdi 17 septanm
Kiltivatè a ret ap tann bonjan fwi [...]. Nou menm tou, montre nou gen pasyans. — Jak 5:7, 8.
Ann Izrayèl, kiltivatè a te simen semans yo apre premye sezon lapli a ann otòn e li te konn fè rekòt apre dènye sezon lapli a nan prentan (Mak 4:28). N ap montre n gen sajès si n suiv egzanp kiltivatè a bay nan demontre pasyans. Men, sa gendwa pa fasil. Piske n enpafè, nou ta renmen wè rezilta travay nou tousuit. Men, si n vle jaden nou bay rannman, nou dwe toujou ap pran swen l, sa vle di n dwe vire tè a, plante, retire move zèb epi wouze. Travay fè disip la mande pou n pa sispann fè efò. Sa pran tan pou n derasinen prejije ak mepri lakay moun n ap anseye yo. Lè n gen pasyans sa ap ede n pou n pa dekouraje lè kèk moun pa vle koute n. Menm lè kèk moun dispoze koute nou nou dwe toujou demontre pasyans. Nou pa ka fòse yon etidyan vin gen lafwa. Pafwa, menm disip Jezi yo te konn pran tan pou yo konprann sa l t ap anseye yo (Jan 14:9). Nou bezwen sonje, menm lè n plante e nou wouze, se Bondye k ap fè sa k plante a grandi. — 1 Kor. 3:6. w20.09 11 § 10-11.
Dimanch 18 septanm
M ap louwe Jewova ak tout kè m. Nan mitan moun ki dwat yo e nan kongregasyon an. — Sòm 111:1.
Nou tout vle etidyan n yo pwogrese jiskaske yo batize. Youn nan bon fason n ka ede yo fè sa se lè n ankouraje yo asiste reyinyon yo. Byen souvan, etidyan ki asiste reyinyon depi lè yo fèk kòmanse etid la pwogrese pi vit. Gen kèk anseyan ki ede etidyan yo konprann etid y ap fè a ap pèmèt yo aprann anpil bagay nan Bib la, men gen anpil lòt bagay y ap bezwen konnen, se lè yo asiste reyinyon yo y ap aprann yo. Li Ebre 10:24, 25 avèk etidyan an, epi esplike l jan sa ap bon pou li si l asiste reyinyon yo. Pataje yon pwen avè l ou te aprann nan yon reyinyon sa pa gen twò lontan, e fè sa ak kè kontan. Sa ap plis ankouraje l olye w annik envite l nan reyinyon. Sa etidyan w lan pral wè premye fwa l asiste yon reyinyon ap depase nenpòt sa l te viv nan yon rasanbleman l te ale nan nenpòt lòt relijyon (1 Kor. 14:24, 25). L ap rankontre moun ki bay bon egzanp li ka imite e k ap ede l fè pwogrè jiskaske l batize. w20.10 10-11 § 14-15.
Lendi 19 septanm
Ki pwofesè ki tankou [Bondye]? — Jòb 36:22.
Lespri Bondye ap ede w byen aplike sa w li ak sa w etidye nan Pawòl Bondye a. Se pou w fè menm priyè youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te fè a. Men sa l te di: “O Jewova, montre m chemen w yo. M ap mache nan verite w yo. Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w.” (Sòm 86:11). Donk, kontinye li Bib la e kontinye etidye l, san wete piblikasyon nou yo. Nòmalman, objektif ou se pa ta dwe annik chèche gen konesans. Ou ta dwe kite laverite touche kè w, epi aplike l nan lavi w. Lespri Jewova kapab ede w fè sa. Ou ta dwe ankouraje frè w ak sè w yo tou (Ebre 10:24, 25). Paske yo se fanmi w. Priye pou lespri Bondye ede w fè kòmantè ak tout kè w epi fè tout sa w kapab pou w byen prepare lè w gen yon patisipasyon. Konsa, ou montre Jewova ak Pitit li a ou renmen “mouton” yo genyen yo ki gen anpil valè (Jan 21:15-17). Donk, ann koute Gran Pwofesè n nan lè n byen pwofite tout ansèyman l ap bay. w20.10 24-25 § 15-17.
Madi 20 septanm
Tout disip yo abandone l, yo kouri y ale. — Mak 14:50.
Ki sa Jezi te fè nan moman sa a kote apot li yo te dekouraje? Yon ti tan apre l fin resisite, li te di disip li yo: “Nou pa bezwen pè. Al pot nouvèl [...] bay frè m yo [pou fè yo konnen mwen leve sot nan lanmò].” (Mat. 28:10a). Jezi pa t pèdi konfyans nan apot li yo. Menm lè yo te abandone l, li te toujou rele yo “frè m”. Jezi te gen mizèrikòd e li te renmen padone menm jan ak Jewova (2 Wa 13:23). Menm jan ak Jezi, nou gen anpil sousi pou moun ki sispann patisipe nan travay preche epi anseye a. Yo se frè n ak sè n, e nou renmen yo! Nou toujou sonje jan frè n ak sè n sa yo te travay di pou Jewova. Gen nan yo petèt ki te fè plizyè dizèn ane ap fè sa (Ebre 6:10). Nou sonje yo anpil (Lik 15:4-7)! Donk, nou ka ankouraje moun ki inaktif yo pou yo asiste reyinyon yo. E lè yon moun ki inaktif vin nan Sal Wayòm nan, se nou ki pou al akeyi l, e nou dwe fè sa ak kè kontan. w20.11 6 § 14-17.
Mèkredi 21 septanm
Pa ale pi lwen pase sa ki ekri. — 1 Kor. 4:6.
Disip Jak ak Jan ansanm ak manman yo te vin kote Jezi pou yo mande l yon privilèj li pa t gen otorite pou l ba yo. San ezite, Jezi te di se Papa l ki nan syèl la sèlman ki ka deside kiyès k ap chita adwat Jezi ak agoch li nan Wayòm nan (Mat. 20:20-23). Jezi pa t konn pran dwa ki pa pou li. Li te rekonèt limit li. Li pa t janm fè sa Jewova pa t ba l dwa fè (Jan 12:49). Ki jan nou ka imite bèl egzanp Jezi te bay? Nou imite egzanp Jezi te bay anrapò ak rekonèt limit nou lè nou suiv konsèy nou jwenn nan tèks pou jounen an. Donk, lè yo mande nou konsèy, nou pa dwe janm fòse moun aksepte opinyon pa nou oswa annik di premye bagay ki pase nan lespri nou. Okontrè, nou ta dwe atire atansyon sou konsèy nou jwenn nan Bib la ak nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Konsa, n ap montre nou konn limit nou. Lè nou rekonèt limit nou, nou montre nou rekonèt ‘dekrè Jewova yo jis’, li menm ki Toupisan. — Rev. 15:3, 4. w20.08 11-12 § 14-15.
Jedi 22 septanm
Pinga w vin jis twòp, e pinga w montre w gen twòp sajès. Poukisa pou w ta fè tèt ou mal? — Ekl. 7:16.
Si w ta oblije bay yon zanmi konsèy, ki sa w dwe sonje? Anvan w al pale ak zanmi w lan, mande tèt ou: ‘Èske m se yon moun ki “jis twòp”?’ Yon moun ki jis twòp pa jije lòt moun sou baz prensip Jewova yo, men li fè sa sou baz prensip pa l, e petèt li se yon moun ki manke konpasyon. Si apre w fin reflechi ou toujou wè w bezwen pale ak zanmi w lan, chèche byen konn pwoblèm nan epi poze l kesyon k ap fè l reflechi pou ede l rekonèt tò l. Veye pou sa w ap di yo baze sou Bib la, pandan w ap sonje se pa ou menm zanmi w lan gen pou rann kont, men se Jewova (Wom. 14:10). Konte sou sajès ki gen nan pawòl Bondye a, e lè w ap bay yon moun konsèy, imite Jezi ki gen konpasyon (Pwo. 3:5; Mat. 12:20). Poukisa? Paske Jewova ap aji avè n menm jan nou aji ak lòt moun. — Jak 2:13. w20.11 21 § 13.
Vandredi 23 septanm
Sispann jije sou aparans, men jije yon fason ki jis. — Jan 7:24.
Èske w ta renmen moun jije w sou koulè po w, sou figi w oswa sou gwosè w? Se sèten ou pa t ap renmen sa. Donk, se pa ti ankourajan sa ankourajan lè nou konnen Jewova pa jije nou selon sa moun ka wè! Pa egzanp, lè Samyèl t ap gade pitit gason Jese yo, li pa t wè sa Jewova te wè. Jewova te di Samyèl gen youn nan pitit gason Jese yo k ap vin wa Izrayèl. Men, kiyès nan yo? Lè Samyèl te wè Elyab, pi gran pitit gason Jese a, li te di: “Siman se moun Jewova chwazi a ki kanpe devan l la a.” Elyab te sanble ak yon wa. “Men, Jewova di Samyèl: ‘Pa gade sou aparans li ak wotè l, mwen pa chwazi l.’” Ki leson nou aprann? Men sa Jewova di apre sa: “Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun.” (1 Sam. 16:1, 6, 7). L ap bon pou nou imite Jewova nan fason n ap aji ak frè n ak sè n yo. w20.04 14 § 1; 15 § 3.
Samdi 24 septanm
Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la. — Jan 4:35.
Jezi t ap pase nan mitan plizyè jaden, sanble se te jaden lòj ki te fèk ap pouse (Jan 4:3-6). Jaden yo t ap pare pou rekòt nan anviwon kat mwa. Jezi te di yon bagay ki te ka parèt dwòl. Li te di: “Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la.” (Jan 4:35, 36). Ki sa l te vle di? Sanble Jezi t ap pale de yon rekòt nan sans senbolik, yon rekòt moun. Fè yon ti reflechi sou sa k te fèk sot pase a. Byenke nòmalman Juif yo pa t annafè ak Samariten yo, Jezi te preche yon Samaritèn e dam nan te koute l! Anfèt, pandan Jezi t ap fè konnen jaden yo “pare pou rekòt la”, gen yon pakèt Samariten ki te deplase pou y al kot Jezi pou yo te aprann plis bagay sou li, paske dam nan te pale yo de li (Jan 4:9, 39-42). Men sa yon moun k ap fè kòmantè sou Bib la di anrapò ak istwa sa a: “Fason moun yo te chofe a [...] montre yo te tankou jaden ki pare pou rekòt.” w20.04 8 § 1-2.
Dimanch 25 septanm
Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon. — Ebre 10:24.
Reyinyon yo ede nou pou nou preche pi byen e pou nou anseye pi byen. Pa egzanp, nou aprann byen sèvi ak zouti nou genyen pou nou anseye yo. Se sa k fè nou bezwen byen prepare reyinyon yo. Nou bezwen byen koute pandan reyinyon yo, apre sa, nou bezwen aplike sa n aprann yo. Lè nou fè sa, n ap vin yon “bon sòlda Kris Jezi”. (2 Tim. 2:3.) Nou gen plizyè milyon zanj ki pisan k ap ede nou. Reflechi ak sa yon sèl zanj kapab fè (Eza. 37:36)! Kounye a, reflechi ak sa yon lame zanj pisan kapab reyalize. Pa gen okenn moun oswa okenn demon ki kapab kenbe tèt ak lame Jewova a ki gen anpil pisans. Jewova toupisan. Donk, lè l ansanm avèk nou, n ap toujou gen plis fòs pase opozan nou yo kèlkeswa kantite yo ye a (Jij 6:16). Sa a se yon gwo verite! Panse ak tout èd ou kapab jwenn lè yon moun nan travay ou, yon elèv nan lekòl ou oswa yon moun nan fanmi w ki pap sèvi Jewova di oswa fè yon bagay ki te ka dekouraje w. Sonje sa, ou pa poukont ou nan batay sa a. Se Jewova k ap gide w. w21.03 29 § 13-14.
Lendi 26 septanm
Si moun mouri pa gen pou yo leve, “ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri.” — 1 Kor. 15:32.
Apot Pòl ka te site Ezayi 22:13 ki pale konsènan atitid Izrayelit yo. Olye yo te chèche gen bon relasyon ak Bondye, yo te plis ap chèche pran plezi yo. Anfèt, fason Izrayelit sa yo t ap viv se tankou yo t ap di: “Se de jou w ap viv, apre sa w mouri.” Se yon atitid anpil moun gen jodi a. Piske n konnen Jewova kapab resisite moun ki mouri, sa ta dwe fè nou veye ki moun n ap chwazi kòm zanmi. Frè nan vil Korent yo te bezwen veye pou yo pa fè zanmi ak moun ki pa kwè nan rezirèksyon. Men yon leson nou ka aprann jodi a: Si nou toujou ansanm ak moun sèl sa k enterese yo se pran plezi yo, y ap gen move enfliyans sou nou. Si yon vrè kretyen pase anpil tan ak moun konsa, sa ka fè l pèdi bon abitid li genyen. Sa ka menm fè l fè yon seri bagay Bondye rayi. Se sa k fè Pòl te bay yon konsèy ki fèm, li te di: “Retounen nan bonsans nou ann amoni ak sa ki jis, epi pa pratike peche.” — 1 Kor. 15:33, 34. w20.12 9 § 3, 5-6.
Madi 27 septanm
Chèf tout gason se Kris, chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye. — 1 Kor. 11:3.
Vèsè sa a montre fason Jewova òganize fanmi li genyen an ni nan syèl la ni sou tè a. Mo chèf la gen de aspè enpòtan ladan l: otorite ak responsablite. Jewova se “chèf” la, oswa pi gwo otorite a, e tout pitit li yo, ni zanj yo ni lèzòm, gen kont pou yo rann li (Wom. 14:10; Efe. 3:14, 15). Jewova bay Jezi otorite sou kongregasyon an, men, Jezi gen kont pou l rann Jewova sou fason l aji ak nou (1 Kor. 15:27). Jewova bay yon mari otorite tou sou madanm li ak pitit li. Ki jan yon gason ka aprann vin yon bon chèf fanmi? Toudabò li dwe konprann ki sa Jewova vle l fè. Li bezwen konnen tou poukisa Jewova bay moun otorite, e sitou, ki jan li ka imite egzanp Jewova ak Jezi. Poukisa sa enpòtan? Paske Jewova bay chèf fanmi yo kèk otorite e li atann pou yo byen sèvi ak otorite li ba yo a. — Lik 12:48b. w21.02 2 § 1-3.
Mèkredi 28 septanm
Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan. — Eza. 48:17.
Li bon pou nou chwazi bliye kèk bagay, menm jan ak Jewova. Pa egzanp, Jewova gen yon memwa ki san fay, men, si nou repanti, li chwazi padone nou e li chwazi bliye erè nou fè yo (Sòm 25:7; 130:3, 4). Li vle nou fè menm bagay la pou lòt moun lè yo regrèt erè yo fè ki ban nou lapenn (Mat. 6:14; Lik 17:3, 4). Nou ka montre nou gen rekonesans pou sèvo nou ki se yon kado estrawòdinè, lè nou sèvi avè l pou nou onore Sila a ki ban nou l lan. Gen kèk moun ki chwazi sèvi ak sèvo yo yon fason ki egoyis, sa vle di pou yo tabli pwòp prensip pa yo anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal. Men, piske se Jewova ki kreye nou, li rezonab pou n atann prensip pa l yo pi bon pase nenpòt prensip nou te ka fikse pou tèt nou (Wom. 12:1, 2). Lè nou suiv prensip li yo, nou viv anpè (Eza. 48:18). Mete sou sa, nou vin gen yon objektif ki klè nan lavi nou pou nou onore Kreyatè nou an, Papa nou an, e pou n fè kè l kontan. — Pwo. 27:11. w20.05 23-24 § 13-14.
Jedi 29 septanm
[Se pou nou gen] gwo afeksyon [...] youn pou lòt. — Wom. 12:10.
Ki jan nou ka gen gwo afeksyon pou frè n ak sè n yo jodi a? Lè nou chèche konn kwayan parèy nou yo pi byen, nou ka twouve l pi fasil pou nou konprann yo e pou n vin gen gwo afeksyon pou yo. Laj yon moun ak kote l soti pa ta dwe anpeche nou vin zanmi l. Sonje Jonatan te gen anviwon 30 an anplis David. Epoutan, li te vin bon zanmi l. Èske w ka chèche vin zanmi yon moun ki pi gran oswa pi jèn pase w? Lè w fè sa, ou montre w “renmen tout frè nou yo”. (1 Pyè 2:17.) Èske gen gwo afeksyon pou kwayan parèy nou yo vle di n ap pwòch ak tout moun nan kongregasyon an menm jan? Non, sa pa posib. Se pa yon bagay ki mal si gen moun nou santi nou pi pwòch ak yo paske nou enterese nan menm bagay ak yo. Jezi te rele tout apot li yo “zanmi”, men li te renmen Jan anpil (Jan 13:23; 15:15; 20:2). Sepandan, Jezi pa t montre li nan patipri ak Jan. — Mak 10:35-40. w21.01 23 § 12-13.
Vandredi 30 septanm
Sanble nou pi atache ak dye yo pase lòt moun yo. — Tra. 17:22.
Apot Pòl pa t preche moun Atèn ki pa t Juif yo menm jan li te preche Juif yo nan sinagòg la. Li te pran san l pou l gade toutotou l e l te wè fason moun yo adore nan relijyon pa yo (Tra. 17:23). Apre sa, Pòl te chèche jwenn yon pwen kote ni li menm ni yo menm dakò sou fason pou moun adore ki ann amoni ak verite ki nan Bib la. Se sa k fè Pòl te dispoze adapte fason l preche a. Li te di moun Atèn yo li te resevwa mesaj li a nan men “Dye [yo] pa konnen” an, Dye yo t ap chèche adore a. Aktout moun lòt nasyon yo pa t abitye ak sa ki nan Ekriti yo, Pòl pa t ba yo vag. Okontrè, li te konsidere yo kòm jaden ki pare pou rekòt, e li te adapte fason l preche bon nouvèl la. Menm jan ak Pòl, montre w se yon bon obsèvatè. Chèche wè nan ki sa moun ki nan tèritwa w yo kwè. Ki jan mèt kay la dekore kay li oubyen machin li? Èske non l, fason l abiye, aparans li oubyen menm fason l pale montre nan ki relijyon l ye? w20.04 9-10 § 7-8.