Oktòb
Samdi 1ye oktòb
“Kiyès ki rive konnen sa k nan panse Jewova, pou l ta di l sa pou l fè?” Men nou menm, nou gen panse Kris la. — 1 Kor. 2:16.
Lè nou aprann konnen Jezi, n ap ka imite fason l panse ak fason l aji. Plis nou konnen fason Jezi panse e nou imite l, se plis n ap vin zanmi l. Ki jan nou ka imite Jezi? Ann pran yon sèl egzanp. Jezi te plis vle ede lòt moun pase l fè tèt li plezi (Mat. 20:28; Wom. 15:1-3). Piske se fason sa a li te panse, li te konn met enterè lòt moun anvan pa l e li te konn padone moun. Li pa t konn fache fasil pou sa moun di sou li (Jan 1:46, 47). Li pa t konn ret konsantre sou peche lòt moun te fè (1 Tim. 1:12-14). Men sa Jezi te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:35). Li ta bon pou w mande tèt ou: “Èske m ap suiv egzanp Jezi lè m fè tout sa m kapab pou m viv anpè ak frè m ak sè m yo?” w20.04 24 § 11.
Dimanch 2 oktòb
Y ap onore non m. — Eza. 29:23.
Malgre n ap viv nan yon monn ki chaje ak moun k ap lage vèni sou Jewova e k ap fè blasfèm, ou gen posiblite pou w pran pozisyon pou laverite e pou w di laverite: Jewova sen, li jis, li bon e li gen lanmou. Ou ka montre ou vle se li ki chèf ou. Ou ka fè konnen se li menm sèl ki kapab dirije yon fason ki vrèman jis e se dominasyon l lan k ap pote lapè ak kè kontan pou tout kreyasyon an (Sòm 37:9, 37; 146:5, 6, 10). Lè n ap anseye lòt moun verite ki nan Bib la, souvan nou mete aksan sou dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an, sa vle di Jewova gen dwa pou l dirije linivè. E se laverite. Men, toutpandan li enpòtan pou nou konsantre sou lwa Bondye bay yo, prensipal objektif nou se pou n ede moun yo aprann renmen Jewova, Papa nou an, e pou yo fidèl avè l. Kidonk, nou bezwen montre moun yo bèl kalite Jewova genyen ki atiran toutpandan n ap met aksan sou Moun ki pote non Jewova a (Eza. 63:7). Lè nou anseye fason sa a, n ap ede moun yo renmen Jewova epi obeyi l paske yo vle fidèl avè l. w20.06 6 § 16; 7 § 19.
Lendi 3 oktòb
Kiyès ki bay lòm bouch [...]? Èske se pa mwen menm, Jewova? — Egz. 4:11.
Fason sèvo lòm fèt se yon mèvèy. Lè w te nan vant manman w, sèvo w te devlope selon yon plan ki byen kalkile, e chak minit li te vin gen plizyè milye nouvo selil! Moun k ap fè rechèch yo panse sèvo yon granmoun gen prèske 100 milya selil espesyal ki rele newòn ki peze anviwon 3,30 liv. Youn nan kapasite estrawòdinè sèvo a genyen gen rapò ak lè n ap pale. Chak fwa w di yon mo, se sèvo w ki fè plis pase 100 mis ou gen nan lang ou, gòj ou, bouch ou, machwè w ak pwatrin ou fè mouvman. Tout mis sa yo dwe bouje nan moman yo dwe bouje a pou pawòl w ap di ka soti klè. Gen yon etid yo te fè an 2019 ki montre tibebe ki fèk fèt kapab rekonèt chak mo. Dekouvèt sa a pwouve sa anpil moun k ap fè rechèch kwè: nou fèt ak kapasite pou nou rekonèt lang e pou nou aprann yo. Vrèmanvre, kapasite nou genyen pou nou pale a se yon kado Bondye ban nou. w20.05 22-23 § 8-9.
Madi 4 oktòb
Li t ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l. — Ebre 11:10.
Abraram te dispoze kite vi konfòtab li t ap mennen nan vil Ou. Poukisa? Paske li t ap tann “vil ki gen vrè fondasyon an”. (Ebre 11:8-10, 16.) Vil Abraram t ap tann nan se Wayòm Bondye a. Wayòm sa a gen ladan l Jezi Kris ak 144 000 kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl. Pòl pale de Wayòm nan kòm “yon vil ki pou Bondye vivan an, Jerizalèm ki nan syèl la”. (Ebre 12:22; Rev. 5:8-10; 14:1.) Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou menm Wayòm sa a, li te mande pou Wayòm nan vini yon fason pou volonte Bondye fèt sou tè a menm jan l fèt nan syèl la (Mat. 6:10). Èske Abraram te gen detay sou fason Wayòm Bondye a t ap ye? Non. Pandan plizyè syèk, detay sa yo te yon “sekrè sakre”. (Efe. 1:8-10; Kol. 1:26, 27.) Men, Abraram te konnen gen kèk nan desandan l yo ki t ap vin wa, paske Jewova te pwomèt li sa. — Jen. 17:1, 2, 6. w20.08 2-3 § 2-4.
Mèkredi 5 oktòb
Se pou nou kontinye mache ann inyon avèk [Seyè a], pou nou anrasinen nan li, pou nou bati nan li, pou nou vin fèm nan lafwa. — Kol. 2:6, 7.
Nou dwe rejte ansèyman aposta yo. Depi nan kòmansman kongregasyon kretyen an, Dyab la ap itilize anpil moun k ap bay manti pou mete dout nan lespri sèvitè fidèl Bondye yo. Donk, nou bezwen konnen ki jan pou n fè diferans ant sa ki verite ak sa ki manti. Ènmi n yo ka itilize Entènèt oubyen rezo sosyal yo pou yo eseye fè n sispann gen konfyans nan Jewova oubyen pou n sispann renmen frè n yo. Pa kwè nan pwopagann sa yo, paske se Satan k ap gaye yo (1 Jan 4:1, 6; Rev. 12:9). Pou Satan pa rive febli lafwa nou, nou bezwen chèche gen plis konfyans nan Jezi ak nan wòl li jwe nan objektif Bondye. Mete sou sa, nou bezwen gen konfyans nan sèl gwoup moun Jewova ap itilize pou l dirije òganizasyon l lan jodi a (Mat. 24:45-47). Nou ka ranfòse konfyans sa a lè n etidye Pawòl Bondye a regilyèman. Lè sa a, lafwa n ap menm jan ak yon pyebwa ki gen rasin ki fon. Apot Pòl te di apeprè menm bagay la lè l t ap ekri pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. w20.07 23-24 § 11-12.
Jedi 6 oktòb
Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun. — 1 Sam. 16:7.
Antanke moun ki enpafè, nou tout gen tandans jije moun sou aparans (Jan 7:24). Men, aparans yon moun pap pèmèt nou konn tout bagay sou moun sa a. Ann pran yon egzanp. Menm yon doktè ki entèlijan e ki gen anpil eksperyans pa ka annik gade yon malad epi li gentan wè tout sa moun nan genyen. Li dwe byen koute malad la si l vle konn kòman sante l ye, ki jan l santi l oswa ki sa k ap fè l mal. Doktè a ka menm voye malad la fè yon radyografi pou l ka wè si gen yon pwoblèm anndan kò malad la. Si doktè a pa fè sa, li ka di moun nan gen yon pwoblèm epoutan se pa pwoblèm sa a moun nan genyen vre. Menm jan an tou, nou pap byen konprann frè n ak sè n yo si n annik gade yo sou aparans. Nou dwe chèche konnen kiyès yo ye toutbon. Nou pa ka li kè moun. Men, nou ka fè tout sa n kapab pou n imite Jewova. Li koute moun k ap adore l yo. Li byen konprann sa k ap pase nan lavi yo ak sitiyasyon yo. Epi li montre konpasyon pou yo. w20.04 14-15 § 1-3.
Vandredi 7 oktòb
Panse yon fason pou [n] vin gen bonsans. — Wom. 12:3.
Nou bezwen gen imilite, paske moun ki gen ògèy se moun ki pa gen “bonsans”. Moun ki gen ògèy yo renmen fè kont e yo egoyis. Fason yo panse ak fason yo aji konn lakoz yo fè tèt yo mal e yo konn fè lòt moun soufri. Si yo pa chanje fason yo panse, Satan ap bouche lespri yo e l ap kòwonp li (2 Kor. 4:4; 11:3). Yon moun ki gen imilite se yon moun ki gen bonsans. Li wè tèt li yon fason ki ekilibre e ki rezonab, li rekonèt lòt moun siperyè l nan plizyè domèn (Flp. 2:3). Epitou, li konnen “Bondye kont moun ki gen ògèy yo, men li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la”. (1 Pyè 5:5.) Moun ki gen bonsans yo pa vle Jewova fache ak yo. Pou n kontinye gen imilite nou dwe “retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo, e [nou dwe] abiye nou ak nouvo pèsonalite a”. Nou bezwen egzamine egzanp Jezi e n bezwen eseye suiv li pye pou pye. — Kol. 3:9, 10; 1 Pyè 2:21. w20.07 7 § 16-17.
Samdi 8 oktòb
Kò a se youn, alòske li gen anpil manm. — 1 Kor. 12:12.
Se yon gwo onè sa ye pou n fè pati kongregasyon Jewova a! Nou santi n anpè e n gen anpil kè kontan lefètke n ap adore Jewova ansanm ak frè n ak sè n yo nan kongregasyon an. Ki plas ou nan kongregasyon an? Apot Pòl te konpare kongregasyon an ak kò yon moun. E l te konpare chak moun ki nan yon kongregasyon ak divès pati ki nan kò a (Wom. 12:4-8; 1 Kor. 12:12-27; Efe. 4:16). Youn nan leson nou ka aprann nan egzanp sa a, sèke nou chak gen yon plas enpòtan nan fanmi Jewova a. Men sa Pòl te di: “Menm jan kò nou gen plizyè pati, men tout pati yo pa jwe menm wòl, se konsa tou, nou menm, byenke nou anpil, nou se yon sèl kò ann inyon avèk Kris, men nou chak nou se manm ki ini youn ak lòt.” (Wom. 12:4, 5). Ki sa Pòl te vle di menm? Nou chak gen wòl pa nou nan kongregasyon an, epoutan nou chak enpòtan. w20.08 20 § 1-2; 21 § 4.
Dimanch 9 oktòb
Jewova mande l: ‘Ki jan w ap fè sa?’ — 1 Wa 22:21.
Nou menm paran, ki jan n ka imite imilite Jewova gen lakay li? Pafwa, nou ka mande pitit nou pou yo di sa yo panse sou fason yon travay ta dwe fèt. E lè sa apwopriye, fè sa yo di a. Jewova ban nou egzanp tou nan kesyon demontre pasyans. Li te aji avèk pasyans lè kèk nan sèvitè l te poze l kesyon sou desizyon l te pran. Jewova te koute Abraram lè Abraram te di li pa panse se yon bon desizyon pou l detwi Sodòm ak Gomò (Jen. 18:22-33). Epi, sonje jan Jewova te aji ak Sara, madanm Abraram. Li pa t fache lè Sara te ri pwomès li te fè lè l te di l ap vin ansent nan vyeyès li (Jen. 18:10-14). Okontrè, li te trete Sara avèk respè. Nou menm paran e nou menm ansyen, ki jan n ka suiv egzanp Jewova? Kòman nou reyaji lè pitit nou oswa lòt moun nan kongregasyon an pa dakò ak desizyon nou pran? Èske premye sa nou fè se montre se desizyon nou pran an ki bon? Oswa, èske n chèche konprann sa yo di a? Lè moun ki gen otorite imite Jewova, fanmi yo ak kongregasyon an jwenn anpil byenfè. w20.08 10 § 7-9.
Lendi 10 oktòb
Pisans mwen ap vin pafè pou ou lè w fèb. — 2 Kor. 12:9.
Ki sa n ka aprann nan egzanp Pòl? Lè n te kòmanse frekante pèp Jewova a, petèt nou te kontan kite lòt moun ede n, nou te rann nou kont nou tankou tibebe e n gen anpil bagay pou n aprann (1 Kor. 3:1, 2). Men, ki jan sa ye kounye a? Si n gen anpil ane depi n ap sèvi Jewova e n vin gen anpil eksperyans, nou ka pa dispoze aksepte èd menm jan nou te konn fè sa anvan, sitou si nou gen plis tan nan laverite pase moun k ap ede nou an. Men, byen souvan Jewova sèvi ak frè n ak sè n yo pou ban nou fòs (Wom. 1:11, 12). Nou dwe rekonèt sa si nou vle Jewova ban nou fòs. Reyisit yon moun pa depann de pwòp fòs pa l, oswa fòmasyon l te resevwa, oubyen richès li genyen oswa klas sosyal li, men se si l gen imilite e si l konte sou Jewova. Se pou nou tout kontinye pwogrese 1) lè n konte sou Jewova, 2) lè n aprann nan egzanp ki nan Bib la e 3) lè n kite kwayan parèy nou ede nou. Lè n fè sa, menmsi nou ta santi nou fèb, Jewova ap ban nou fòs! w20.07 14 § 2; 19 § 18-19.
Madi 11 oktòb
Demontre menm devouman an [...]. Konsa, nou pap vin parese, men n ap imite moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen. — Ebre 6:11, 12.
Li gendwa difisil pou n demontre pasyans lè n ap preche moun nan fanmi nou ki pa Temwen. Prensip ki nan Eklezyas 3:1, 7 la kapab ede n. Men sa l di: “Gen [...] yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale.” Nou kapab ba yo temwayaj san n pa pale grasa bon konduit nou genyen, anmenmtan n ap toujou veye tout okazyon pou n pale yo de Jewova (1 Pyè 3:1, 2). Pandan n ap preche e n ap anseye avèk zèl, n ap demontre pasyans ak tout moun, san wete moun nan fanmi nou. Nou ka aprann vin gen pasyans lè n egzamine egzanp moun fidèl nou jwenn nan Bib la ak nan epòk nou an. Abakouk te swete pou mechanste fini, men l te montre l gen pasyans lè l te di: “M ap ret kanpe nan pòs mwen.” (Aba. 2:1). Apot Pòl te fè konnen jan l te vle “fini” sèvis Seyè a te ba li a. Aktout sa, avèk pasyans, li te kontinye “bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl” la. — Tra. 20:24. w20.09 11-12 § 12-14.
Mèkredi 12 oktòb
[Jezi] pa t anvizaje fè yon dappiyanp sou pozisyon Bondye, sa vle di pou l ta egal avè l. — Flp. 2:6.
Jezi se dezyèm moun ki gen plis pouvwa, apre Jewova, epoutan li pa bay tèt li plis enpòtans pase sa l genyen. Menm jan ak Jezi, vrè sèvitè Bondye yo demontre lanmou youn pou lòt (Lik 9:48; Jan 13:35). Ki sa w dwe fè si w kwè gen pwoblèm nan kongregasyon an e w santi yo pa fè anyen pou sa? Olye w plenyen, ou ka montre w gen imilite lè w kolabore ak frè ki alatèt yo (Ebre 13:17). Yon bagay ki ka ede w se lè w mande tèt ou: ‘Èske pwoblèm mwen wè yo tèlman grav yo bezwen korije yo? Èske se bon moman pou yo korije yo? Èske se wòl mwen pou m korije yo? Èske toutbonvre m ap chèche fè efò pou gen inite, oswa èske m ap eseye montre se mwen ki pi enpòtan?’ Jewova bay imilite nou plis enpòtans pase kapasite n genyen e li bay inite nou gen nan mitan nou plis enpòtans pase sa n reyalize. Se sa k fè n dwe fè tout sa n kapab pou n sèvi Jewova ak imilite. Lè n fè sa, n ap pèmèt gen inite nan kongregasyon an. — Efe. 4:2, 3. w20.07 4-5 § 9-11.
Jedi 13 oktòb
Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè. Al pot nouvèl la bay frè m yo”. — Mat. 28:10.
Jezi te gen anpil rekonesans pou yon seri medam fidèl “ki te itilize sa yo te genyen” pou yo rann li sèvis (Lik 8:1-3). Li te anseye yo yon seri verite enpòtan. Pa egzanp, li te di yo li gen pou l mouri e l ap resisite (Lik 24:5-8). Li te prepare yo pou eprèv yo t ap gen pou yo jwenn, menm jan l te fè sa pou apot yo (Mak 9:30-32; 10:32-34). Li bon pou n note, menm lè apot yo te abandone Jezi lè yo te arete l la, kèk nan medam yo te bò kote l lè l t ap mouri sou poto soufrans lan (Mat. 26:56; Mak 15:40, 41). Kèk nan medam fidèl yo te premye moun ki te wè Jezi apre l fin resisite. Li te voye yo al di apot yo li leve sot nan lanmò (Mat. 28:5, 9, 10). Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, sanble te gen fi ki te la lè disip yo te ranpli ak lespri sen e yo tout te vin gen kapasite pou yo pale lòt lang e pou yo pale sou “bagay estrawòdinè Bondye fè”. — Tra. 1:14; 2:2-4, 11. w20.09 23 § 11-12.
Vandredi 14 oktòb
Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. — 1 Tim. 4:16.
Travay fè disip la kapab sove lavi moun! Ki jan nou fè konn sa? Lè Jezi te bay lòd nou jwenn nan Matye 28:19, 20 an, li te di: “Ale, epi fè disip [...]. Batize yo.” Jis nan ki pwen li enpòtan pou yon moun batize? Nou dwe batize si nou vle viv pou toutan. Moun ki pral batize a dwe kwè sèl sa k ap pèmèt yon moun sove se paske Jezi te mouri pou nou e li te leve sot nan lanmò. Se sa k fè apot Pyè te di kretyen parèy li yo: “Batèm nan [...] ap sove nou [...] kounye a grasa rezirèksyon Jezi Kris.” (1 Pyè 3:21). Donk, lè yon nouvo disip batize, li gen espwa viv pou toutan. Pou nou fè disip, nou bezwen amelyore “fason [n] ap anseye”. (2 Tim. 4:1, 2.) Poukisa? Paske men lòd Jezi te bay: “Ale, epi fè disip [...]. Anseye yo.” Apot Pòl te di pou nou “pèsevere” nan travay sa a, ‘paske lè n fè sa, n ap sove ni tèt nou, ni moun k ap koute n’. w20.10 14 § 1-2.
Samdi 15 oktòb
Apati kounye a, se moun ou pral pran tou vivan. — Lik 5:10.
Pyè te vin aprann renmen peche moun tou. Grasa èd Jewova, li te vin maton nan travay sa a (Tra. 2:14, 41). Nou preche paske nou renmen Jewova. Se pi gwo rezon ki fè n ap fè travay sa a. Lanmou nou gen pou Jewova ka ede nou preche lòt moun, menmsi nou ta santi nou pa kalifye pou n fè sa. Lè Jezi te envite Pyè pou l vin yon pechè moun, li te di Pyè: “Ou pa bezwen pè ankò.” (Lik 5:8-11.) Pyè pa t kite laperèz anpeche l vin yon disip. Okontrè, se pa ti sezi l te sezi lè Jezi te fè mirak pou l te fè yo pran yon pakèt pwason, e Pyè te panse li pa merite pou Jezi mande l travay avè l. Epitou, ou gendwa santi w pè lè w wè tout efò sa mande pou w vin yon disip Kris. Si w santi w konsa, fè efò pou w renmen Jewova ak Jezi ansanm ak pwochen w pi plis, e sa ap fè w pi anvi aksepte envitasyon Jezi fè w pou w vin yon pechè moun. — Mat. 22:37, 39; Jan 14:15. w20.09 3 § 4-5.
Dimanch 16 oktòb
Kidonk, ale, epi fè disip [...]. Anseye yo. — Mat. 28:19, 20.
Nou kontan sèvi ak tan nou, fòs nou ak sa nou posede pou n chèche moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. (Tra. 13:48.) Lè nou fè sa, nou suiv egzanp Jezi. Men sa l te di: “Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.” (Jan 4:34; 17:4). E se sa nou vle tou ak tout kè nou. Nou vle fin fè travay Jezi te ban nou fè a (Jan 20:21). E nou vle lòt moun kontinye fè travay sa a ansanm ak nou, san wete moun ki inaktif yo (Mat. 24:13). Se vre, li pa fasil pou nou fè gwo travay Jezi te ban nou lòd pou nou fè a. Men, nou pa poukont nou nan travay sa a. Jezi te pwomèt l ap avèk nou. Lè nou patisipe nan travay fè disip la, nou se “konpayon travay Bondye” e nou travay “antanke disip Kris”. (1 Kor. 3:9; 2 Kor. 2:17.) Se sa k fè nou kapab fin fè travay sa a. Se yon gwo onè nou genyen pou nou fè travay sa a e se yon plezi pou nou fè l e pou n ede lòt moun fè menm jan an! — Flp. 4:13. w20.11 7 § 19-20.
Lendi 17 oktòb
Jezi te kontinye gen plis sajès, li te kontinye grandi e li te kontinye jwenn favè nan men Bondye ak nan men lèzòm. — Lik 2:52.
Byen souvan, chwa paran yo fè gen efè sou pitit yo pandan anpil tan. Si paran yo fè move chwa, yo ka lakòz pitit yo jwenn anpil pwoblèm. Men si paran yo fè bon chwa, l ap pi fasil pou pitit yo gen kè kontan e y ap jwenn satisfaksyon nan lavi yo. Nòmalman, timoun yo dwe pran bon desizyon tou. Pi bon desizyon yon moun ka pran se sèvi Jewova, Papa nou an ki nan syèl la ki renmen nou (Sòm 73:28). Paran Jezi yo te vle ede pitit yo sèvi Jewova, e chwa paran sa yo te fè yo te montre se sa k te pi enpòtan pou yo nan lavi a (Lik 2:40, 41, 52). Menm jan an tou, Jezi te pran bon desizyon ki te ede l fè sa Jewova te vle l fè (Mat. 4:1-10). Toutpandan Jezi t ap grandi, li te janti, li te fidèl e li te vin yon moun ki gen kouraj. Kèlkeswa paran ki renmen Jewova t ap santi yo fyè e yo t ap kontan gen yon pitit gason konsa. w20.10 26 § 1-2.
Madi 18 oktòb
Se pou je w gade dwat devan. — Pwo. 4:25.
Annou reflechi sou egzanp ki vin annapre yo. Yon sè ki granmoun ap panse ak bon moman li te viv lè l te jèn. Menm lè lavi a pi difisil pou li jodi a, li kontinye fè tout sa l kapab pou Jewova (1 Kor. 15:58). Se chak jou l ap imajine li menm k ap viv nan monn nouvo Bondye pwomèt la ansanm ak moun pa l yo. Yon lòt sè sonje gen yon kwayan parèy li ki te fè l yon bagay ki fè l mal, men li chwazi bliye sa (Kol. 3:13). Yon frè sonje peche li te fè nan tan lontan, men kounye a li deside fè tout sa l kapab pou l ret fidèl ak Jewova (Sòm 51:10). Nan ki sans twa kretyen sa yo sanble? Yo tout sonje sa k te pase, men yo pa ret ap reflechi sou sa. Okontrè, yo gade lavni “dwat devan” yo. Poukisa sa enpòtan? Menm jan yon moun pa ka mache nan yon liy dwat si l toujou ap vire gad dèyè, nou pa ka kontinye nan sèvis n ap bay Jewova a si nou toujou ap reflechi sou sa k te pase nan lavi nou. — Lik 9:62. w20.11 24 § 1-3.
Mèkredi 19 oktòb
Li pase l nan rizib. — 1 Sam. 17:42.
Golyat, ki te yon sòlda ki te gen anpil fòs ki te konn fè lagè, te konsidere David tankou yon moun ki fèb. Dayè, Golyat te pi gwonèg pase David, li te gen pi bon ekipman pase l e li te pi byen antrene pou l fè lagè. Alòske David se te yon tigason ki pa gen eksperyans e ki te sanble pa gen bon ekipman pou l batay. Men, David te konte sou Jewova pou l jwenn fòs e li te rive pot laviktwa sou ènmi l lan (1 Sam. 17:41-45, 50). David te gen yon lòt pwoblèm ki te ka fè l santi l fèb. David te yon sèvitè fidèl wa Sayil, moun Jewova te chwazi kòm wa Izrayèl la. Okòmansman, wa Sayil te respekte David. Annapre, ògèy te fè Sayil vin jalou David. Sayil te mal aji ak David, li te menm eseye touye l (1 Sam. 18:6-9, 29; 19:9-11). Malgre wa Sayil te mal aji ak David, David te kontinye montre respè pou wa Jewova chwazi a (1 Sam. 24:6). David te konte sou Jewova pou l ba l fòs li te bezwen pou l andire gwo eprèv sa a. — Sòm 18:1, pawòl ki anlè tèt chapit la. w20.07 17 § 11-13.
Jedi 20 oktòb
Nan tan lafen an, wa sid la pral nan lit ak wa nò a. — Dàn. 11:40.
Pifò nan pwofesi konsènan wa nò a ak wa sid la deja reyalize. Donk, nou ka gen konfyans rès la pral reyalize tou. Pou nou konprann pwofesi ki nan Dànyèl chapit 11 lan, nou bezwen sonje pwofesi sa a pale sèlman konsènan dirijan ak gouvènman ki te gen yon gwo enpak sou pèp Bondye a. Menm lè pèp Bondye a se sèlman yon ti ponyen nan kantite moun ki gen sou tè a, byen souvan, se sitou yo menm gouvènman ki gen sou tè a pèsekite. Sa k fè sa? Se paske prensipal objektif Satan ak tout sistèm li an se elimine moun k ap sèvi Jewova ak Jezi yo. (Jen. 3:15; Rev. 11:7; 12:17) Mete sou sa, pwofesi ki nan liv Dànyèl la dwe ann amoni ak lòt pwofesi ki nan Pawòl Bondye a. Anfèt, nou ka rive byen konprann pwofesi Dànyèl la lè nou konpare l ak lòt pati nan Ekriti yo. w20.05 2 § 1-2.
Vandredi 21 oktòb
Ki jan moun ki mouri yo gen pou yo leve? Wi, ak ki kalite kò? — 1 Kor. 15:35.
Anpil moun jodi a ki gen pwòp kwayans pa yo sou sa k rive yon moun apre l fin mouri. Men, ki sa Bib la anseye? Lè yon moun mouri, kò l dekonpoze. Men, Sila a ki te kreye linivè san pa t gen anyen ki te egziste anvan an kapab resisite moun sa a e li kapab ba li kò l ap bezwen genyen an (Jen. 1:1; 2:7). Apot Pòl te sèvi ak yon egzanp pou l montre Bondye pap bezwen sèvi ak menm kò moun nan te gen anvan an pou l reba l lavi. Panse ak “yon senp grenn” oswa “semans” yon plant. Lè yo met yon semans nan tè, li jèmen epi li bay yon lòt plant. Plant ki vin fèt la pa sanble ditou ak ti grenn semans lan. Pòl te sèvi ak konparezon sa a pou l montre Kreyatè nou an ka ban nou “yon kò jan sa fè l plezi”. Pòl te di tou “gen kò nan syèl la, gen kò sou tè a”. Ki sa l te vle di? Ebyen, sou tè a, nou gen kò ki fèt ak chè, men, kò ki nan syèl la se espri, menm jan ak kò zanj yo genyen an. — 1 Kor. 15:36-41. w20.12 9-10 § 7-9.
Samdi 22 oktòb
Pandan konbyen tan ankò m ap kontinye viv ak enkyetid, ak lapenn nan kè m chak jou ki pase? — Sòm 13:2.
Nou tout vle viv anpè. Pa gen moun ki renmen viv ak enkyetid. Men, pafwa nou ka santi nou gen anpil tètchaje e nou ka poze menm kesyon wa David te poze nou jwenn nan tèks pou jounen an. Gen anpil bagay ki ka fè nou gen enkyetid, e nou pa ka anpeche kèk nan bagay sa yo rive. Pa egzanp, nou pa ka gen kontwòl sou pri manje, pri rad ak pri kay k ap ogmante chak ane. Nou pa ka gen kontwòl sou kantite fwa kòlèg travay nou oswa kondisip nou ap eseye tante nou pou nou aji yon fason ki malonèt oswa ki imoral. Nou pa ka anpeche krim fèt nan zòn bò lakay nou. N ap fè fas ak sitiyasyon sa yo paske n ap viv nan yon monn kote pifò moun pa suiv prensip ki nan Bib la. Satan, dye monn sa a, konnen gen kèk moun k ap kite “tètchaje ki gen nan sistèm sa a” anpeche yo sèvi Jewova (Mat. 13:22; 1 Jan 5:19). Donk, nou pa sezi dèske monn nan chaje ak pwoblèm ki fè moun gen anpil strès. w21.01 2 § 1, 3.
Dimanch 23 oktòb
Yon moun ki rayi frè l se yon asasen, e nou konnen okenn asasen pa gen lavi ki pap janm fini an nan li. — 1 Jan 3:15.
Apot Jan te di pou n pa rayi frè n ak sè n yo. Si n pa koute konsèy sa a, n ap bay Satan okazyon pou l fè sa l vle avè n (1 Jan 2:11). Sa te rive kèk moun ki t ap viv nan fen premye syèk epòk nou an. Nan epòk sa a, Satan te fè tout sa l kapab pou l simen divizyon nan mitan pèp Bondye a. Anvan Jan te fin ekri lèt li yo, gen yon seri mesye ki te eseye aji menm jan ak Satan ki te fofile kò yo nan kongregasyon an. Pa egzanp, Dyotrèf te met gwo divizyon nan kongregasyon an (3 Jan 9, 10). Li pa t gen respè pou reprezantan kolèj santral la ki te vin vizite yo. Li te menm eseye met moun ki t ap akeyi moun li pa renmen yo deyò nan kongregasyon an. Ala derespektan! Satan toujou ap eseye fè tout sa l kapab pou l simen divizyon nan mitan pèp Bondye a jodi a yon fason pou l fè yo fè sa l vle. Nou pa dwe janm rayi frè n ak sè n yo, e n pa dwe janm sispann ankouraje yo. w21.01 11 § 14.
Lendi 24 oktòb
Lè yo fin bay temwayaj yo gen pou yo bay la, bèt sovaj [la] pral fè lagè avèk yo, l ap pote laviktwa sou yo, e l ap touye yo. — Rev. 11:7.
Pandan Premye Gè mondyal la, ni gouvènman Almay la, ni gouvènman Grann Bretay la te pèsekite sèvitè Bondye yo ki te refize pran zam. E gouvènman Etazini an te met frè ki te pran latèt nan travay predikasyon an nan prizon. Pèsekisyon sa a te reyalize pwofesi ki nan Revelasyon 11:7-10 la. Annapre, nan ane 1930 yo e sitou pandan Dezyèm Gè mondyal la, wa nò a te atake pèp Bondye a san pitye. Itlè, ak moun ki te avèk li yo te entèdi travay pèp Bondye a t ap fè a. Opozan yo te touye plizyè santèn sèvitè Jewova e yo te voye plizyè milye lòt nan kan konsantrasyon. Wa nò a “[pa t] respekte kote ki sakre a” e li te fè yo “sispann fè sakrifis yo konn fè chak jou yo” lè l te mete gwo restriksyon sou libète sèvitè Bondye yo genyen pou yo louwe non Jewova aklè (Dàn. 11:30b, 31a). Itlè, lidè wa nò a, te menm fè konnen l ap efase pèp Bondye a ann Almay. w20.05 6 § 12-13.
Madi 25 oktòb
Se pou lanmou nou gen pou frè nou yo makònen ak gwo afeksyon nou gen youn pou lòt. Pran devan nan onore youn lòt. — Wom. 12:10.
Lè n montre gwo afeksyon youn pou lòt, nou pwoteje kongregasyon an pou nou pa nan konpetisyon youn ak lòt. Sonje Jonatan pa t eseye fè konpetisyon ak David, kòmkwa li te wè l kòm yon advèsè pou twòn nan (1 Sam. 20:42). Nou tout ka suiv egzanp Jonatan. Pa wè frè w ak sè w yo kòm advèsè poutèt kapasite yo genyen, “men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou”. (Flp. 2:3.) Toujou sonje nou chak kapab fè yon bagay ki kapab ede kongregasyon an. Si n kontinye gen imilite, n ap rive wè bèl kalite frè n ak sè n yo genyen e n ap kapab aprann nan bèl egzanp yo bay antanke moun ki fidèl (1 Kor. 12:21-25). Lè n montre gwo afeksyon youn pou lòt. Nou ranfòse inite ki gen nan mitan nou antanke pèp Bondye. Nou montre nou se disip Jezi, e sa fè moun ki sensè yo anvi vin sèvi Jewova. Mete sou sa, nou bay Jewova, “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an”, glwa. — 2 Kor. 1:3. w21.01 24 § 14; 25 § 16.
Mèkredi 26 oktòb
Kòm nou pa fè pati monn nan, [...] monn nan rayi nou. — Jan 15:19.
Jodi a, antanke moun k ap sèvi Jewova, pafwa yo konn meprize nou e yo konn pase nou nan rizib kòmkwa nou se moun ki pa entèlijan e ki fèb. Sa k fè sa? Paske nou pa gen menm atitid ak lòt moun yo. Nou fè efò pou nou gen imilite e pou nou obeyisan. Yon lòt bò, monn nan fè lwanj pou moun ki gen ògèy, ki awogan e ki rebèl. Mete sou sa, nou pa antre nan politik e nou pa antre nan lame nan okenn peyi. Nou pa aji menm jan ak moun nan monn nan, se sa k fè yo pa ban nou valè (Wom. 12:2). Kèlkeswa sa monn nan panse de nou, Jewova sèvi avè n pou l akonpli yon seri bagay estrawòdinè. Jewova ap reyalize pi gwo kanpay predikasyon an sou tè a. Peryodik ki tradui nan plis lang e yo plis distribye sou tè a, se sèvitè l yo k ap fè yo jodi a. Yo sèvi ak Bib la pou ede plizyè milyon moun amelyore fason y ap viv. Se grasa Jewova tout bèl travay sa yo fèt. w20.07 15 § 5-6.
Jedi 27 oktòb
Mwen fè egzakteman sa Papa a ban m lòd fè. — Jan 14:31.
Jezi soumèt devan Jewova, men se pa paske l pa entèlijan oswa l pa gen kapasite. Se paske Jezi te entèlijan anpil ki fè l te kapab anseye yon fason ki senp e ki klè (Jan 7:45, 46). Jewova te konnen Jezi gen anpil kapasite e li te kite l travay ansanm avè l lè l t ap kreye linivè (Pwo. 8:30; Ebre 1:2-4). Apre Jezi fin resisite, Jewova ba l “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a”. (Mat. 28:18.) Menm lè Jezi gen anpil kapasite, li toujou konte sou Jewova pou gide l. Poukisa? Paske li renmen Papa l. Mari yo bezwen konprann se pa paske Jewova konsidere fi gen mwens enpòtans pase gason ki fè l mande fi ki marye yo pou yo soumèt devan mari yo. Jewova te montre sa aklè lefètke l chwazi fi kou gason pou al dirije ansanm ak Jezi (Gal. 3:26-29). Lefètke Jewova bay Pitit Gason l lan otorite, sa montre li gen konfyans nan li. Menm jan an tou, yon mari ki gen sajès ap bay madanm li otorite sou kèk bagay. w21.02 11 § 13-14.
Vandredi 28 oktòb
Nou konsidere moun ki andire yo kòm moun ki byennere. — Jak 5:11.
Pawòl Bondye a tankou yon glas, li ede nou wè sa nou bezwen amelyore e ki sa nou bezwen fè pou sa (Jak 1:23-25). Pa egzanp, lè nou fin etidye Pawòl Bondye a, nou ka rann nou kont nou bezwen fè efò pou n pa kouri fache. Grasa èd Jewova, nou aprann fason pou nou aji avèk dousè lè moun fè nou fache oswa lè nou devan sitiyasyon ki te ka fè n pèdi metriz nou. Nou reflechi pi byen e nou pran pi bon desizyon (Jak 3:13). Se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou byen konn Bib la! Pafwa, se lè nou fin fè yon erè nou rann nou kont nou pa t dwe fè sa n te fè a. Youn nan bon fason pou n vin gen sajès se lè nou aprann nan sa moun fè ki bon ak nan sa yo fè ki pa bon. Se sa k fè Jak ankouraje nou pou n aprann nan egzanp kèk moun Bib la pale de yo tankou Abraram, Rahab, Jòb ak Eli (Jak 2:21-26; 5:10, 11, 17, 18). Sèvitè fidèl Jewova sa yo te rive andire eprèv ki te ka fè yo pèdi jwa yo. Lefètke yo te andire, sa montre grasa èd Jewova nou kapab andire tou. w21.02 29-30 § 12-13.
Samdi 29 oktòb
Kote ki gen dyalòg, plan yo ap mache. Epi, suiv bon direksyon lè w ap mennen batay ou. — Pwo. 20:18.
Lè yon etid Labib ap fèt, se sitou anseyan an ki gen responsablite pou ede etidyan an konprann Pawòl Bondye a. Si moun ki gen etid la mande w al fè etid la avè l, ou dwe sonje wòl ou se ede l (Ekl. 4:9, 10). Ki sa w ka fè pou w kapab bay bonjan èd pandan etid la? Prepare pou etid la. Toudabò, mande moun k ap fè etid la kèk enfòmasyon sou etidyan an: Ki sa nou pral wè nan etid la, ki pwen l ta renmen etidyan an sonje nan etid sa a, èske gen yon bagay ou dwe di oswa ou pa dwe di nan etid la, ki sa k ka ankouraje etidyan an fè pwogrè. Nòmalman, anseyan an pa ta dwe bay okenn enfòmasyon lòt moun pa bezwen konnen sou etidyan an, men, li kapab bay enfòmasyon ki ka itil. Men sa yon misyonè ki rele Joy di: “Konvèsasyon konsa konn ede moun ki pral fè etid avè m nan pou l montre l enterese nan etidyan an e pou l konnen ki sa pou l di nan etid la.” w21.03 9 § 5-6.
Dimanch 30 oktòb
Si monn nan rayi nou, nou konnen li te rayi m anvan li rayi nou. — Jan 15:18.
Pafwa, yo rayi nou paske n ap suiv prensip Bondye yo ki jis. Prensip sa yo depaman nèt ak prensip moral moun nan monn nan ap suiv ki pa bon menm. Pa egzanp, anpil moun jodi a montre aklè yo dakò ak yon seri pratik imoral ki bay repiyans ki sanble ak sa ki te konn fèt nan vil Sodòm ak Gomò, de vil Bondye te detwi poutèt sa (Jid 7). Piske nou obeyi prensip Bib la bay anrapò ak pratik sa yo, anpil moun pase nou nan rizib e yo di nou pa eklere (1 Pyè 4:3, 4). Ki sa k ka ede nou andire lè moun rayi nou e lè y ap manke nou dega? Nou bezwen gen konviksyon Jewova ap ede nou. Menm jan ak yon boukliye, lafwa nou kapab “etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou”. (Efe. 6:16.) Men, se pa lafwa sèlman nou bezwen genyen, nou bezwen gen lanmou tou. Poukisa? Paske lanmou “pa fè kòlè fasil”, li sipòte tout bagay ki fè moun soufri e li andire yo tout (1 Kor. 13:4-7, 13). Lè nou renmen Jewova, nou renmen kwayan parèy nou e nou renmen menm ènmi nou, sa ap ede nou andire lè moun rayi nou. w21.03 20-21 § 3-4.
Lendi 31 oktòb
Pa kouri fache, paske se moun ki sòt ki plede fache. — Ekl. 7:9.
Pafwa, gen bagay nou pa fè ki montre nou renmen frè n ak sè n yo. Pa egzanp, nou pa kouri fache pou sa yo di. Ann wè yon bagay ki te rive nan fen lavi Jezi sou tè a. Li te di disip li yo yo dwe manje chè l e yo dwe bwè san l pou yo gen lavi (Jan 6:53-57). Pawòl sa yo te tèlman chokan, anpil nan disip yo te abandone l. Men, sa ki te zanmi l toutbon yo pa t fè sa. Yo te ret fidèl avè l. Yo pa t konprann sa Jezi te di a, e petèt sa te fè yo sezi. Men, zanmi fidèl Jezi yo pa t kouri panse sa l te di a pa t bon, e yo pa t fache pou sa. Okontrè, yo te fè l konfyans paske yo te konnen li te toujou di laverite (Jan 6:60, 66-69). Li enpòtan anpil pou nou pa kouri fache pou sa zanmi nou di! Okontrè, n ap ba yo okazyon pou yo esplike sa yo te vle di. — Pwo. 18:13. w21.01 11 § 13.