BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es23 p. 26-36
  • Mas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mas
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2023
  • Soutit
  • Mèkredi 1ye mas
  • Jedi 2 mas
  • Vandredi 3 mas
  • Samdi 4 mas
  • Dimanch 5 mas
  • Lendi 6 mas
  • Madi 7 mas
  • Mèkredi 8 mas
  • Jedi 9 mas
  • Vandredi 10 mas
  • Samdi 11 mas
  • Dimanch 12 mas
  • Lendi 13 mas
  • Madi 14 mas
  • Mèkredi 15 mas
  • Jedi 16 mas
  • Vandredi 17 mas
  • Samdi 18 mas
  • Dimanch 19 mas
  • Lendi 20 mas
  • Madi 21 mas
  • Mèkredi 22 mas
  • Jedi 23 mas
  • Vandredi 24 mas
  • Samdi 25 mas
  • Dimanch 26 mas
  • Lendi 27 mas
  • Madi 28 mas
  • Mèkredi 29 mas
  • Jedi 30 mas
  • Vandredi 31 mas
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2023
es23 p. 26-36

Mas

Mèkredi 1ye mas

Kèlkeswa sa nou te fè pou youn nan pi piti nan frè m sa yo, se pou mwen nou te fè l. — Mat. 25:40.

“Mouton” yo pale de yo nan parabòl nou jwenn nan Matye 25:31-36, 40 lan reprezante moun ki jis k ap viv nan tan lafen an ki gen esperans pou yo viv sou tè a, anpalan de lòt mouton yo. Yo soutni rès frè Kris yo fidèlman, sitou lè yo ede yo nan travay preche ak fè disip k ap fèt toupatou sou tè a (Mat. 24:14; 28:19, 20). Chak ane, plizyè semèn anvan Memoryal la, lòt mouton yo montre yo soutni frè Kris yo lè yo patisipe ak tout kè yo nan yon kanpay ki fèt toupatou sou tè a pou envite moun ki enterese yo nan Memoryal la. Epitou, yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou Memoryal la kapab fèt nan chak kongregasyon sou tè a. Lòt mouton yo vrèman kontan soutni frè Kris yo fason sa yo. Mouton sa yo konnen Jezi konsidere sa yo fè pou frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl tankou se pou li menm yo te fè l. — Mat. 25:37-40. w22.01 22 § 11-12.

Jedi 2 mas

Moun ki wè m wè Papa a tou. — Jan 14:9.

Lè n imite kalite Jezi te genyen yo ak fason l te aji ak lòt moun, pa egzanp, fason l te montre l gen pitye pou yon moun ki te gen lèp, fason l te montre l konprann soufrans yon dam ki te gen yon maladi grav, fason l te montre l gen konpasyon pou moun ki te gen moun pa yo ki mouri, se Jewova nou imite tou (Mak 1:40, 41; 5:25-34; Jan 11:33-35). Plis nou imite Jewova, se plis n ap vin pwòch avè l. Lè n suiv tras Jezi, sa ap ede n pou n pa kite monn mechan sa a fè nou pa konsantre sou sèvis Bondye a. Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te kapab di: “Mwen pot laviktwa sou monn nan.” (Jan 16:33). Li te vle di, li pa t kite fason moun nan monn nan panse, objektif yo genyen ak fason yo aji enfliyanse l. Jezi pa t janm bliye rezon ki fè l te vin sou tè a se te pou l defann Jewova. E nou menm? Nan monn sa a, gen anpil bagay ki ka anpeche nou ret konsantre sou sèvis Bondye a. Men, si menm jan ak Jezi nou kontinye fè volonte Jewova san n pa kite anyen fè nou distrè, n ap “pot laviktwa” sou monn nan tou. — 1 Jan 5:5. w21.04 3-4 § 7-8.

Vandredi 3 mas

[Anyen] pap kapab separe nou ak lanmou Bondye. — Wom. 8:39.

Apot Pòl te konnen pwomès Jezi te fè a ki di: “Nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan [Jezi ap] gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:16; Wom. 6:23). Pòl te vrèman gen lafwa nan ranson an. Li te gen konviksyon Jewova dispoze padone menm moun ki fè peche grav si yo repanti (Sòm 86:5). Pòl te gen konviksyon Bondye renmen l anpil paske li konnen Bondye te voye Jezi vin mouri pou li. Gade ki sa l te di nan fen Galat 2:20 an. Li te di: “Pitit Bondye a [...] renmen m e [li] livre tèt li pou mwen.” Pòl pa t panse li tèlman pa bon Bondye pa ka renmen l, epi pou l ta di: ‘Mwen ka wè poukisa Jewova renmen frè m yo, men m pa wè poukisa l ta renmen m.’ Men sa Pòl te fè kretyen nan vil Wòm yo sonje: “Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” (Wom. 5:8). Vrèmanvre, lanmou Bondye pa gen limit! Pòl te gen konviksyon lanmou Bondye gen anpil fòs. Li te konnen jan Jewova te pran pasyans ak nasyon Izrayèl la. w21.04 22 § 8-10.

Samdi 4 mas

Paske, men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. — 1 Jan 5:3.

Lè w ap kondui yon etid biblik, ede etidyan an vin renmen Jewova. Ki jan w ka fè sa? Chèche okazyon pou w atire atansyon l sou kalite Jewova yo. Ede etidyan an wè Jewova kòm yon Bondye ki gen kè kontan ki ede moun ki renme l (1 Tim. 1:11; Ebre 11:6). Montre etidyan an l ap jwenn byenfè lè l aplike sa l ap aprann yo, e esplike l byenfè sa yo se prèv ki montre Jewova renmen l (Eza. 48:17, 18). Plis etidyan an ap vin renmen Jewova, se plis l ap anvi fè kèlkeswa chanjman ki nesesè. Pou yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize, l ap bezwen fè sakrifis. Gen etidyan ki ka bezwen aksepte pèdi kèk bagay materyèl. Anpil etidyan ka oblije sispann fè zanmi ak moun ki pa renmen Jewova. Gen lòt menm, fanmi yo ki pa renmen Temwen Jewova ka abandone yo. Jezi te pwomèt moun ki suiv li pap wont. Jewova ap rekonpanse yo, y ap vin fè pati yon fanmi ki gen anpil lanmou. — Mak 10:29, 30. w21.06 4 § 8-9.

Dimanch 5 mas

Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la. — Jan 4:35.

Apot Pòl te konpare travay fè disip la ak lè yon moun ap fè jaden. Li te montre nou pa dwe annik plante semans lan. Men sa l te di kretyen nan vil Korent yo: “Mwen plante, Apolòs wouze [...]. Nou menm, nou se jaden Bondye bay kiltive.” (1 Kor. 3:6-9). Antanke moun k ap travay nan “jaden Bondye”, nonsèlman nou plante semans lan, men, nou wouze l tou e nou verifye sa nou plante a regilyèman pou nou wè ki pwogrè l ap fè. Anmenmtan tou, nou rekonèt se Bondye ki fè sa k plante a grandi. Se pa ti privilèj nou genyen pou nou preche lòt moun e pou nou anseye yo laverite! Travay sa a fè n gen kè kontan toutbon. Men sa apot Pòl, ki te ede anpil moun nan vil Tesalonik pou yo vin disip, te di pou l esplike jan l santi l: “Ki sa ki esperans nou? Ki sa ki jwa nou? Ki sa ki kouwòn ki ban nou anpil kè kontan devan Jezi, Seyè nou an, nan moman prezans li an? An reyalite, èske se pa nou menm? Wi, se nou menm ki glwa nou, se nou menm ki jwa nou.” — 1 Tes. 2:19, 20; Tra. 17:1-4. w21.07 3 § 5; 7 § 17.

Lendi 6 mas

Pa meprize youn nan tipiti sa yo. — Mat. 18:10.

Jewova rale nou chak vin jwenn li (Jan 6:44). Èske w konprann sa sa vle di? Pandan Jewova ap byen egzamine tout moun, sa vle di plizyè milya moun ki nan monn nan, li wè yon bagay ki gen anpil valè nan ou: li wè w gen yon kè ki sensè ki kapab vin renmen l (1 Kwo. 28:9). Jewova konnen w, li konprann ou e li renmen w. Sa vrèman ankourajan! Jewova gen anpil sousi pou ou, e li gen sousi pou tout frè ak sè yo tou. Pou Jezi te ede nou konprann sa, li te konpare Jewova ak yon bèje. Pa egzanp, si gen 100 mouton nan yon twoupo e youn ladan yo kite twoupo a, ki sa bèje a ap fè? L ap “kite 99 lòt yo sou mòn nan pou l al chèche sa ki pèdi a”. Lè bèje a jwenn mouton an li pap fache sou li poutèt li te pèdi. Okontrè, l ap kontan. Ki leson nou aprann? Chak mouton enpòtan pou Jewova. Men sa Jezi te di: “Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri.” — Mat. 18:12-14. w21.06 20 § 1-2.

Madi 7 mas

Pwoche bò kote Bondye. — Jak 4:8.

Lè nou reflechi sou esperans nou genyen pou lavni an, yon esperans ki sèten, e nou reflechi sou lanmou san fay Bondye gen pou nou, nou vin pi renmen Jewova e relasyon nou gen avè l la vin pi solid (Wom. 8:38, 39). Sa ankouraje n suiv egzanp Jezi (1 Pyè 2:21). Kèk jou anvan Memoryal la, nou reflechi sou plizyè istwa nan Bib la ki pale konsènan dènye semèn Jezi te pase sou tè a, sou lanmò l ak rezirèksyon l. Apre sa, nan sware Memoryal la, diskou a fè n sonje lanmou Jezi gen pou nou (Efe. 5:2; 1 Jan 3:16). Lè nou li istwa sou egzanp Jezi antanke moun ki te bay lavi l kòm sakrifis e nou medite sou sa, nou santi n gen obligasyon pou n “kontinye mache jan Jezi te mache a”. (1 Jan 2:6.) Nou vin pi detèmine toujou pou n rete nan lanmou Bondye (Jid 20, 21). Nou rete nan lanmou Bondye lè n fè tout sa n kapab pou n obeyi l, pou n fè non l vin sen e pou n fè kè l kontan (Pwo. 27:11; Mat. 6:9; 1 Jan 5:3). Lè nou asiste Memoryal la, sa fè nou vin pi detèmine pou fason n ap viv chak jou montre nou di Jewova: ‘Mwen vle rete nan lanmou w pou toutan!’ w22.01 23 § 17; 25 § 18-19.

Mèkredi 8 mas

Chwazi nou menm [...] kiyès n ap sèvi. — Joz. 24:15.

Jewova ban nou libète pou nou deside. Nou kapab chwazi ki sa n vle fè nan lavi nou. Bondye nou an ki renmen nou kontan lè nou chwazi sèvi l (Sòm 84:11; Pwo. 27:11). Nou kapab byen sèvi ak libète n genyen pou n deside a plizyè fason. Nou suiv egzanp Jezi lè nou chwazi met enterè lòt moun anvan enterè pa nou. Yon lè, pandan Jezi ak apot li yo te fatige anpil, yo t al yon kote apa pou yo te ka pran yon ti repo. Men, yo pa t rive repoze. Gen yon foul moun ki te jwenn yo, e yo te vrèman swaf pou Jezi anseye yo. Men, Jezi pa t fache. Okontrè, li te gen pitye pou moun yo. Donk, ki sa Jezi te fè? Li te “kòmanse anseye yo anpil bagay”. (Mak 6:30-34.) Menm jan ak Jezi, lè nou sèvi ak tan nou ak fòs nou pou nou ede lòt moun, nou fè Papa nou ki nan syèl la jwenn glwa. — Mat. 5:14-16. w21.08 3 § 7-8.

Jedi 9 mas

Se pou chak moun [...] gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun. — Gal. 6:4.

Jewova renmen varyete. Li pa vle pou tout bagay ak tout moun menm jan. Sa parèt aklè nan bèl bagay li kreye yo, san wete lèzòm. Pa gen de moun ki egzakteman menm jan. Se sa k fè Jewova pa janm konpare w ak lòt moun. Li wè sa k nan kè w, li kapab wè kiyès ou ye toutbon (1 Sam. 16:7). Li konnen tou sa w kapab fè ak sa w pa kapab fè, e li konn fason w te leve. Li pa mande w plis pase sa w kapab fè. Nou bezwen wè tèt nou jan Jewova wè nou. Konsa, n ap vin gen “bonsans”, nou pap bay tèt nou twòp enpòtans ni nou pap rabese tèt nou (Wom. 12:3). Nòmalman, nou kapab aprann anpil bagay nan bèl egzanp yon frè oswa yon sè ki fidèl ki jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an (Ebre 13:7). Konsa, nou ka wè ki jan nou ka amelyore fason n ap preche (Flp. 3:17). Men, gen yon diferans ant imite bon egzanp yon moun bay ak konpare tèt nou ak moun nan. w21.07 20 § 1-2.

Vandredi 10 mas

Leve je nou nan syèl la epi gade. Kiyès ki kreye bagay sa yo? — Eza. 40:26.

Ou kapab ranfòse lafwa w nan Kreyatè a lè w pran tan pou w byen gade bèt yo, plant yo ak zetwal yo (Sòm 19:1). Plis ou egzamine bagay sa yo, se plis w ap vin gen konviksyon Jewova se Kreyatè a. Lè w ap egzamine kreyasyon an, pran san w pou w byen gade ki sa bagay ou wè yo aprann ou sou Kreyatè nou an (Wom. 1:20). Pa egzanp, solèy la bay chalè ak limyè nou bezwen pou nou viv sou tè a, men tou, li bay yon seri reyon ki kapab yon danje pou nou ki rele reyon iltravyolèt. Lèzòm bezwen jwenn pwoteksyon kont reyon sa yo. E nou jwenn pwoteksyon vre! Ki jan? Tè nou an gen pwòp pwoteksyon pa l ki tankou yon boukliye: se yon kouch gaz ki rele ozòn ki filtre reyon sa yo ki kapab yon danje pou lavi moun. Plis gen reyon iltravyolèt ki soti nan solèy la, se plis kantite ozòn nan ogmante. Donk, èske w pa dakò dwe gen yon moun ki dèyè tout bagay sa yo, yon Kreyatè ki gen lanmou e ki entèlijan? w21.08 17 § 9-10.

Samdi 11 mas

Yon moun ki renmen Bondye dwe renmen frè l tou. — 1 Jan 4:21.

Apre yon moun fin batize, nou dwe kontinye renmen l epi respekte l (1 Jan 4:20). Ki jan nou ka fè sa? Youn nan bagay nou ka fè se montre nou fè l konfyans. Pa egzanp, si nou pa konprann rezon ki fè l fè yon bagay, nou pap kouri panse se nan move entansyon li fè l. Okontrè, n ap onore frè nou yo lè nou konsidere yo siperyè nou (Wom. 12:10; Flp. 2:3). Ansuit, nou bezwen montre mizèrikòd ak byenveyans pou tout moun. Si nou vle fè pati fanmi Jewova a pou toutan, nou dwe aplike sa nou aprann nan Pawòl Bondye a nan lavi nou. Pa egzanp, Jezi te montre nou dwe gen mizèrikòd ak byenveyans pou tout moun, menm pou ènmi nou (Lik 6:32-36). Pafwa, nou gendwa twouve l difisil pou n fè sa. Si sa ta rive, nou dwe aprann panse epi aji menm jan ak Jezi. Lè nou fè tout sa nou kapab pou n obeyi Jewova e pou n imite Jezi, nou montre Papa nou ki nan syèl la nou vle fè pati fanmi l pou toutan. w21.08 6 § 14-15.

Dimanch 12 mas

Teste m pou n wè si m pap ouvri vàn ki nan syèl la pou nou pou m vide benediksyon sou nou. — Mal. 3:10.

Aprann konte sou Jewova. Li pwomèt l ap vide benediksyon sou nou si nou met konfyans nou nan li e nou ba l sa nou genyen ki pi bon an. Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp moun ki te travay di nan sèvis Jewova. Gen anpil egzanp ki montre se apre yo te fin aji yo te resevwa yon benediksyon espesyal nan men Jewova. Pa egzanp, se apre Abraram te fin kite kay li, “byenke l pa t konn kote l prale a”, Jewova te beni l (Ebre 11:8). Se apre Jakòb te fin mare goumen ak yon zanj li te resevwa yon benediksyon espesyal (Jen. 32:24-30). Lè nasyon Izrayèl la t apral antre nan Peyi Bondye te pwomèt la, se apre prèt yo te fin met pye yo nan dlo Rivyè Jouden an pèp la te kapab travèse rivyè a (Joz. 3:14-16). Gen anpil bagay ou kapab aprann tou nan egzanp kèk Temwen Jewova jodi a ki te konte sou Jewova e ki te chèche fè plis. w21.08 29-30 § 12-14.

Lendi 13 mas

Pinga w di: “Poukisa tan lontan te pi bon pase tan n ap viv yo?” — Ekl. 7:10.

Frè ak sè ki granmoun yo, nou gen anpil eksperyans nan fason bagay yo te konn fèt lontan, men, nou wè jan li bon pou n adapte nou ak chanjman ki vin genyen yo. Nou menm frè ak sè ki granmoun e ki pa gen lontan depi nou batize, nou gen anpil bagay nou kapab bay tou. Jèn yo ap kontan tande eksperyans nou te fè ak leson nou te aprann. Si nou “pran abitid bay” lè nou sèvi ak eksperyans nou genyen yo pou nou ede lòt moun, Jewova ap beni nou anpil (Lik 6:38). Frè ak sè ki granmoun yo nou renmen anpil, lè nou chèche vin zanmi jèn yo, youn ap kapab ankouraje lòt (Wom. 1:12). Nou chak gen yon bagay ki gen anpil valè lòt la pa genyen. Moun ki granmoun yo vin gen sajès ak eksperyans tank ane ap pase. Jèn yo yo menm gen fòs ak enèji. Lè jèn yo ak frè ak sè ki granmoun yo travay ansanm antanke zanmi, yo bay Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou louwanj e yo se bonjan èd pou tout moun nan kongregasyon an. w21.09 8 § 3; 13 § 17-18.

Madi 14 mas

Sa n ap preche, se Kris yo te kloure sou poto pou l mouri a. Sa lakòz Juif yo bite. — 1 Kor. 1:23.

Sa k fè anpil Juif te bite poutèt fason Jezi te mouri a? Pou yo menm, fason Jezi te mouri sou poto a te fè l sanble ak yon kriminèl e ak yon moun k ap pratike peche, se sa k fè yo te refize kwè li se Mesi a (Det. 21:22, 23). Anpil nan Juif ki te bite yo pa t rive wè Jezi te inosan, epi yo pa t rive konprann yo te akize l san rezon e yo te trete l yon fason ki pa jis. Moun ki t ap jije Jezi yo pa t ap chèche fè yon jijman ki jis. Pi gwo tribinal juif la te reyini byen vit pou yo fè jijman an, e yo pa t suiv lwa ki te genyen yo (Lik 22:54; Jan 18:24). Olye jij yo te aji san patipri pou yo koute akizasyon yo te lage sou do Jezi yo e pou yo chèche jwenn prèv sou sa, se yo menm ankò ki t ap chèche jwenn “fo temwayaj sou Jezi, pou yo ka touye l”. (Mat. 26:59; Mak 14:55-64.) E apre Jezi te leve sot nan lanmò, jij malveyan sa yo te peye sòlda women ki t ap veye tonm kote Jezi te ye a “yon bon valè pyès monnen ann ajan” pou yo te ka gaye manti pou esplike rezon ki fè tonm nan vid. — Mat. 28:11-15. w21.05 11 § 12-13.

Mèkredi 15 mas

Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se sèl Papa a ki konnen yo. — Mat. 24:36.

Jewova te ka detwi sistèm mechan sa a nenpòt ki moman. Men, lefètke li gen pasyans, sa ede nou anpil! Tout desandan Adan ak Èv yo enpafè lè yo fèt. Malgre sa, Jewova renmen yo e li pran swen yo e li pwomèt l ap met fen nan sistèm mechan sa a (1 Jan 4:19). Li fikse yon jou pou l elimine tout sa k ap fè lèzòm soufri yo. Èske lanmou Jewova gen pou nou pa ta dwe pouse nou andire ansanm avè l toutotan sa nesesè? Jewova se pi bèl egzanp nan kesyon andirans. Jezi te byen imite Papa l nan sans sa a. Lè Jezi te sou tè a, li te andire lè moun yo t ap joure l, li te andire lawont e li te aksepte mouri pou nou sou yon poto soufrans (Ebre 12:2, 3). Se sèten egzanp Jewova bay nan kesyon andirans te bay Jezi fòs pou l andire. Sa kapab ban nou fòs tou. w21.07 12-13 § 15-17.

Jedi 16 mas

Kontinye gen mizèrikòd, menm jan Papa nou gen mizèrikòd. — Lik 6:36.

Se chak jou nou wè jan Papa nou ki nan syèl la gen mizèrikòd (Sòm 103:10-14). Disip Jezi yo pa t pafè. Men, Jezi te montre l gen mizèrikòd pou yo e li te padone yo. Li te menm dispoze bay lavi l kòm sakrifis pou n te ka jwenn padon pou peche nou (1 Jan 2:1, 2). Lè nou “padone” frè n ak sè n yo “ak tout kè” n, lanmou nou genyen youn pou lòt la vin pi fò (Efe. 4:32). Se vre, li konn difisil pafwa pou nou padone lòt moun, se sa k fè nou bezwen fè anpil efò pou n aprann fè sa. Gen yon sè ki te santi atik ki nan Toudegad ki gen tit “Se pou youn padone lòt ak tout kè l!” la te ede l fè sa. Men sa sè a ekri: “Atik la te esplike, lè w padone lòt moun, sa pa vle di moun nan te gen rezon fè sa l te fè w la oswa sa l te fè a pa t fè w mal. Men, lè w padone, ou pa kenbe moun nan sou kè e w vin santi w anpè ankò.” Lè nou padone frè n ak sè n yo ak tout kè n, nou montre nou renmen yo e nou montre nou imite Jewova, Papa nou an. w21.09 23-24 § 15-16.

Vandredi 17 mas

Moun k ap adore [Bondye] yo dwe adore l [...] ak laverite. — Jan 4:24.

Jezi te renmen laverite, anpalan de laverite sou Bondye ak objektif Li yo. Jezi te viv ann amoni ak verite sa a, e l te fè lòt moun konn verite sa a (Jan 18:37). Vrè disip Jezi yo te renmen laverite anpil tou (Jan 4:23). Anfèt, apot Pyè te pale de relijyon kretyen an kòm “chemen laverite a”. (2 Pyè 2:2.) Piske premye kretyen yo te renmen laverite anpil, yo te rejte tout ide relijyon te bay ansanm ak tout tradisyon ak opinyon lòt moun ki te depaman ak laverite (Kol. 2:8). Menm jan an tou jodi a, vrè kretyen yo fè anpil efò pou yo “kontinye [...] mache nan laverite” lè yo baze tout kwayans yo ak fason y ap viv sou Pawòl Jewova a nèt (3 Jan 3, 4). Jodi a, pèp Bondye a pa fè konnen yo toujou byen konprann tout sa ki nan Bib la. Pafwa, yo konn fè erè nan fason yo esplike yon ansèyman ki nan Bib la oswa nan fason kongregasyon an ta dwe òganize. Lè verite a vin pi klè pou yo, yo fè koreksyon ki nesesè yo. w21.10 21-22 § 11-12.

Samdi 18 mas

Yon moun ki mete konfyans li nan Jewova ap benefisye lanmou fidèl Li genyen an. — Sòm 32:10.

Menm jan miray ki te antoure yon vil nan tan lontan te pwoteje moun ki te abite nan vil la, se konsa tou, lanmou fidèl Jewova antoure nou, li pwoteje nou kont danje ki ta ka fè n pa fidèl avè l. Anplis de sa, lanmou fidèl Jewova genyen an fè l rale n vin jwenn li (Jer. 31:3). Salmis David te sèvi ak yon lòt konparezon pou l te montre fason Bondye pwoteje pèp li a. Men sa l te ekri: “Bondye se refij kote m ka jwenn sekirite, li montre li gen yon lanmou ki fidèl pou mwen.” Men yon lòt bagay David te di konsènan Jewova: “Li se Sila a ki demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen. Li se fòtrès mwen, li se refij kote m ka jwenn sekirite, li se sovè m, li se boukliye m e se nan li mwen pran refij.” (Sòm 59:17; 144:2). Poukisa David te konpare lanmou fidèl Jewova ak yon refij e ak yon fòtrès? Kèlkeswa kote n ap viv sou tè a, depi n ap sèvi Jewova, l ap ban nou tout pwoteksyon nou bezwen pou n ka toujou gen bon relasyon avè l. w21.11 6 § 14-15.

Dimanch 19 mas

M ap medite sou tout aksyon w yo. — Sòm 77:12.

Lè Jezi ak disip li yo te pran nan yon tanpèt sou lanmè, Jezi te sèvi ak evènman sa a pou l ede yo konprann ki sa yo bezwen fè pou yo vin gen plis lafwa (Mat. 8:23-26). Tanpèt la te tèlman fò, lanm lanmè te kòmanse plen bato a. Men, Jezi li menm t ap dòmi byen trankil. Disip yo ki te pè anpil te leve Seyè a e yo te mande l pou l sove yo. Li te di yo avèk jantiyès: “Poukisa nou pè konsa? Ki jan nou fè manke lafwa konsa?” Èske w ap viv yon sitiyasyon nan lavi w ki tankou “yon gwo tanpèt”? Petèt w ap soufri akoz yon katastwòf natirèl. Oswa se ka yon sitiyasyon ki sanble ak yon tanpèt, tankou yon gwo pwoblèm sante ki fè w dekouraje anpil e w pa fin konn sa pou w fè. Pafwa, ou ka ap enkyete w, men, pa kite tètchaje fè w pa met konfyans ou nan Jewova. Pwoche bò kote l lè w priye l ak tout kè w. Chèche ranfòse lafwa w lè w medite sou moman Jewova te ede w (Sòm 77:11). Ou kapab gen asirans li pap janm abandone w, l ap toujou ede w. w21.11 22 § 7, 10.

Lendi 20 mas

Nou pa dwe vòlè. — Lev. 19:11.

Yon moun te gendwa panse depi l veye pou l pa pran sa k pa pou li, li obeyi kòmandman sa a. Men, gen lòt fason li kapab vòlè. Pa egzanp, yon moun k ap fè komès ki sèvi ak fo balans oswa fo mezi pou l twonpe kliyan l yo, se vòlè l vòlè yo. Levitik 19:13 la, montre lè nou pa onèt nan kesyon biznis, se vòlè sa ye. Men sa l di: “Pinga nou eksplwate pwochen nou.” Donk, lè yon moun ap fè magouy nan kesyon biznis, sa rele vòlè. Uityèm kòmandman an te di pou moun pa vòlè. Men, enfòmasyon ki nan liv Levitik la ede nou konprann fason nou kapab aplike prensip ki nan lwa sa a, sa vle di, fason yo kapab montre yo onèt nan tout sa y ap fè. Lè n reflechi sou fason Jewova konsidere moun ki pa onèt e k ap vòlè, sa kapab ede nou. Nou ka mande tèt nou: ‘Lè m ap reflechi sou Levitik 19:11-13, èske m rann mwen kont mwen bezwen fè kèk chanjman nan lavi m, sitou nan fason m ap fè biznis oswa nan fason m travay?’ w21.12 9-10 § 6-8.

Madi 21 mas

Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an. — Kol. 3:13.

Lè w ap priye poukont ou, di Jewova sa w te fè ki mal pandan jounen an epi mande l padon. Nòmalman, si w te fè yon peche grav, w ap bezwen chèche èd ansyen yo tou. Y ap koute w e y ap ba w bonjan konsèy ki baze sou Pawòl Bondye a. Y ap priye ansanm avè w e y ap mande Jewova pou l padone w sou baz sakrifis Jezi a “pou [w] ka geri”, sa vle di pou w vin gen bon relasyon avè L ankò (Jak 5:14-16). Lè w medite sou ranson an, sa ka ede w tou. Sa ka fè w mal lè w ap panse ak tout soufrans Pitit Bondye a te sibi. Men, tank w ap medite sou sakrifis Jezi te fè a, se tank w ap vin renmen l e w ap vin renmen Papa l. Chak ane, nou montre nou gen plis rekonesans pou ranson an, lè n asiste Memoryal lanmò Jezi e lè n kontan envite lòt moun vin asiste ansanm avè n. Ala yon gwo onè Jewova fè nou pou n ede lòt moun aprann konnen Pitit Gason l lan! w21.04 18-19 § 13-16.

Mèkredi 22 mas

Li kòmanse anseye yo anpil bagay. — Mak 6:34.

Reflechi ak fason Jezi te reyaji lè yon foul moun te vin rankontre l sou yon mòn. Jezi te fè tout nuit lan ap priye. Li dwe te fatige anpil, men, lè l te wè foul moun yo, kè l te fè l mal pou moun ki pòv ak moun ki malad yo. Nonsèlman li te geri yo, men tou, li te bay youn nan diskou ki te pi ankourajan, anpalan de Diskou sou mòn nan (Lik 6:12-20). Jezi te dispoze bay tan l tou. Èske w ka imajine jan Jezi te santi l lè l te aprann yo te koupe tèt yon zanmi l, anpalan de Jan ki te konn batize moun nan? Men sa Bib la di: “Lè Jezi tande [Jan mouri], li pran bato, li kite zòn nan, l al yon kote izole pou l kapab ret poukont li.” (Mat. 14:10-13). Men, gen yon gwo foul moun ki te rive nan zòn izole sa a anvan l (Mak 6:31-33). Li te ka wè yo te vrèman bezwen èd ak konsolasyon nan men Bondye. Se sa k fè li te ede yo tousuit. — Lik 9:10, 11. w22.02 21 § 4, 6.

Jedi 23 mas

Se pou nou anpè ak tout moun. — Wom. 12:18.

Ki sa nou dwe fè si nou rann nou kont nou te fè yon kwayan parèy nou yon bagay ki te fè l mal? Nou dwe priye Jewova ak tout kè n. Nou kapab mande l pou l beni efò n ap fè pou n fè lapè ak frè n oswa sè n nan. Nou dwe pran tan tou pou n egzamine tèt nou. Nou kapab poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske m dispoze aksepte m antò lè m mande padon avèk imilite, epi m chèche fè lapè? Ki jan Jewova ak Jezi ap santi yo si m ap chèche fè lapè ak frè m nan oswa sè m nan?’ Repons nou bay pou kesyon sa yo ka pouse nou koute Jezi epi al kot kwayan parèy nou an avèk imilite pou nou ka fè lapè avè l. Lè n al kot frè n oswa sè n nan pou n pale sou yon pwoblèm nou gen avè l, nou bezwen fè sa avèk imilite (Efe. 4:2, 3). Nou dwe al kote frè n nan ki santi l blese a nan objektif pou n vin gen bon relasyon avè l ankò. Sonje, chèche fè lapè ak frè n oswa sè n nan pi enpòtan pase chèche montre kiyès ki gen rezon e kiyès ki gen tò. — 1 Kor. 6:7. w21.12 26 § 13-16.

Vandredi 24 mas

Li gade [vil la] epi li kriye pou li. — Lik 19:41.

Jezi te santi l tris paske li te konnen, pifò nan juif yo te deja montre yo pa t ap aksepte mesaj Wayòm nan. Se sa k fè Jerizalèm t ap detwi, e kèlkeswa Juif ki t ap chape lè vil la detwi, yo t apral avè yo kòm prizonye (Lik 21:20-24). Malerezman, jan Jezi te di sa, pifò moun yo pa t aksepte l. Ki jan pifò moun nan zòn kote w ap viv la reyaji lè yo tande mesaj Wayòm nan? Si se kèk moun ki byen reyaji devan efò w ap fè pou w anseye yo laverite, ki leson w kapab aprann lefètke Jezi te kriye? Jewova gen sousi pou moun. Lefètke Jezi te kriye, sa fè nou sonje jan Jewova gen sousi pou moun. “Li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.” (2 Pyè 3:9). Jodi a, nou montre nou renmen pwochen nou lè nou pa sispann fè efò pou n fè bon nouvèl la touche kè yo. — Mat. 22:39. w22.01 16 § 10-12.

Samdi 25 mas

Mwen ret kole avè w, ou kenbe m fèm ak men dwat ou. — Sòm 63:8.

Menm jan an tou, tank w ap medite sou sa Jewova te deja fè pou pèp li a ak sou sa l fè pou ou pèsonèlman, lafwa w ap vin pi djanm. Sa k pi enpòtan, w ap vin pi renmen Jewova. Plis pase nenpòt lòt kalite, lanmou ap pouse w obeyi Jewova, l ap pouse w fè sakrifis pou w fè l plezi e l ap pouse w andire kèlkeswa eprèv ou jwenn (Mat. 22:37-39; 1 Kor. 13:4, 7; 1 Jan 5:3). Pa gen anyen ki ta ka gen plis valè pase vin gen yon relasyon sere ak Jewova epi vin bon zanmi l (Sòm 63:1-7)! Nou bezwen sonje lè n priye, lè n etidye ak lè n medite, sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Menm jan ak Jezi, chèche jwenn yon kote ki trankil pou w pase tan ak Jewova. Evite bagay ki ka deranje w san nesesite. Mande Jewova pou l ede w ret konsantre lè w ap patisipe nan aktivite ki gen rapò ak adorasyon w ap ba li a. Si w byen sèvi ak tan w depi kounye a, Jewova ap ba w lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans nan monn nouvo a. — Mak 4:24. w22.01 31 § 18-20.

Dimanch 26 mas

Gen degoutans pou sa ki mal. — Wom. 12:9.

Ou bezwen pwoteje panse w. Panse nou gen efè sou aksyon nou. Se sa k fè Jezi te anseye nou pou n evite gen yon seri panse ki ka fè nou fè yon peche grav (Mat. 5:21, 22, 28, 29). Nou ta renmen fè Papa nou ki nan syèl la plezi, pa vre? Donk, se pa ti enpòtan l enpòtan pou n kouri elimine nenpòt move panse ki vin nan lespri nou! Jezi te di: “Sa ki sot nan bouch yon moun se nan kè l yo soti.” (Mat. 15:18). Wi, pawòl nou di fè konn ki moun nou ye. Donk, poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Èske m refize bay manti, menmsi m ap gen pwoblèm lè m di laverite? Si m marye, èske m veye pou m pa nan twòp zanmitay ak moun ki pa mari m oswa ki pa madanm mwen? Èske m veye pou m pa janm di pawòl ki imoral? Èske m ret kalm lè yon moun fè m fache?’ L ap bon pou w reflechi sou kesyon sa yo. Si w fè tout sa w kapab pou w pa joure moun, pou w pa bay manti e pou w pa di pawòl ki imoral, l ap pi fasil pou w retire ansyen pèsonalite a sou ou. w22.03 5 § 12-14.

Lendi 27 mas

Moun k ap chèche konsèy gen sajès. — Pwo. 13:10.

Moun ki mande konsèy olye yo tann pou moun ba yo konsèy ap pran pi bon desizyon pase moun ki pa mande konsèy. Kidonk, mande konsèy. Ki lè nou ta dwe mande kwayan parèy nou konsèy? Ann wè kèk egzanp: 1) Yon sè mande yon pwoklamatè ki gen eksperyans pou l al fè yon etid avè l, apre sa, li mande l konsèy pou l ka amelyore fason l anseye. 2) Yon sè selibatè ta renmen achte kèk rad, epi li mande yon sè ki gen matirite sa l panse sou rad li chwazi yo. 3) Yon frè pral fè premye diskou piblik li. Li mande yon frè ki gen eksperyans nan fè diskou pou l byen suiv diskou l la, apre sa pou l ba l kèk bon konsèy sou fason pou l amelyore. Menm yon frè ki gen plizyè ane depi l ap fè diskou ka mande oratè ki gen eksperyans kèk konsèy sou yon diskou li fin fè, apre sa pou l aplike konsèy yo ba li yo. — Pwo. 19:20. w22.02 13 § 15-17.

Madi 28 mas

Mwen pa poukont mwen, men Papa a ki voye m nan ansanm avè m. — Jan 8:16.

Jewova renmen nou e li pran swen nou, menm jan li te renmen Jezi e li te pran swen l pandan l te sou tè a (Jan 5:20). Li te ede Jezi pou l kontinye gen yon lafwa ki solid, li te ankouraje l lè l te boulvèse e li te veye pou Jezi gen tout sa l bezwen pou l viv. Epitou, Jewova pa t ezite fè Pitit Gason l lan konnen li renmen l e li pran plezi nan li (Mat. 3:16, 17). Piske Jezi te kapab toujou konte sou Papa l ki nan syèl la ki renmen l, li pa t janm santi l poukò l. Menm jan ak Jezi, gen plizyè fason nou wè Jewova renmen nou. Fè yon ti reflechi: Jewova pèmèt nou vin zanmi l e li ban nou anpil frè ak sè ki renmen nou, ki fè kè n kontan e ki ankouraje nou lè n nan moman difisil (Jan 6:44). Anplis de sa, Jewova ban nou tout sa nou bezwen pou nou kontinye ranfòse lafwa nou. Li menm ede nou jwenn sa nou bezwen pou nou viv (Mat. 6:31, 32). Tank n ap reflechi sou jan Jewova renmen nou, se tank n ap renmen l. w21.09 22 § 8-9.

Mèkredi 29 mas

Retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo. — Kol. 3:9.

Ki jan lavi w te ye anvan w te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo? Anpil nan nou pa renmen panse ak sa. Sandout, se sa monn nan konsidere kòm sa ki byen ak sa ki mal ki te enfliyanse atitid nou ak pèsonalite n. Si se te sa, “nou t ap viv nan monn nan san esperans e san Bondye”. (Efe. 2:12.) Men, lè w te kòmanse etidye Labib, ou te vin wè ou gen yon Papa nan syèl la ki renmen w anpil. Ou te rann ou kont tou, si w vle fè Jewova plezi e si w vle vin fè pati fanmi l antanke moun k ap adore l, ou t ap bezwen fè gwo chanjman nan fason w ap viv, nan konpòtman w ak nan fason w panse. Ou t ap bezwen aprann fè sa Jewova di ki bon e w t ap bezwen evite fè sa l di ki mal (Efe. 5:3-5). Jewova, Kreyatè nou an, li menm ki Papa nou ki nan syèl la, gen dwa pou l deside ki jan moun ki fè pati fanmi l yo dwe aji. Anvan nou batize, li vle n fè efò pou n “retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo”. w22.03 2 § 1-3.

Jedi 30 mas

Mwen gen lòt mouton. — Jan 10:16.

Menm jan ak moun yo envite nan yon maryaj ki kontan asiste seremoni an, lòt mouton yo kontan asiste Memoryal la. Lòt mouton yo reflechi sou esperans yo genyen an tou. Yo toujou anvi tande diskou Memoryal la, paske diskou a pale anpil sou sa Kris ak 144 000 moun ki pral dirije ansanm avè l yo pral fè pou moun ki fidèl yo pandan Rèy mil an an. Moun ki pral dirije nan syèl la pral suiv direksyon Jezi Kris, Wa yo a, pou yo patisipe nan fè tè a vin yon paradi e pou ede moun ki obeyisan yo vin pafè. Se pa ti kontan plizyè milyon moun ki pa manje nan pen an e ki pa bwè nan diven an nan Memoryal la kontan lè y ap imajine jan pwofesi ki nan Bib la pral reyalize, tankou pwofesi nou jwenn nan Ezayi 35:5, 6; 65:21-23; ak nan Revelasyon 21:3, 4! Lè y ap imajine yo menm ki nan monn nouvo a ansanm ak moun yo renmen yo, sa fè esperans yo genyen pou lavni an vin pi solid e yo vin gen plis detèminasyon toujou pou yo pa janm sispann sèvi Jewova. — Mat. 24:13; Gal. 6:9. w22.01 21 § 5-7.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche 9 Nizan) Matye 26:6-13

Vandredi 31 mas

Pitit lòm nan [...] vini [...] pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun. — Mak 10:45.

Ki sa ranson an ye? Liv ki te ekri an grèk yo ede nou konprann ranson an se pri Jezi te peye pou n ka rejwenn sa Adan te pèdi a (1 Kor. 15:22). Poukisa nou bezwen ranson an? Paske, jan sa te parèt nan Lalwa, jistis Jewova te mande pou yo bay vi pou vi (Egz. 21:23, 24). Adan te pèdi lavi pafè li te genyen an. Selon sa jistis Bondye te mande, Jezi bay lavi pafè li te genyen antanke moun nan kòm sakrifis (Wom. 5:17). Konsa, li vin yon “Papa ki la pou toutan” pou tout moun ki montre yo gen lafwa nan ranson an (Eza. 9:6; Wom. 3:23, 24). Jezi te dispoze sakrifye lavi l paske li renmen Papa l ki nan syèl la anpil e paske li renmen nou anpil tou (Jan 14:31; 15:13). Se lanmou sa a ki te fè l detèmine pou l ret fidèl jiska lafen e pou l reyalize tout sa Papa l te vle. Jezi te fè sa lè l te rete fidèl jiskaske l mouri. Konsa, objektif Jewova genyen depi okòmansman pou lèzòm ak tè a ap reyalize. w21.04 14 § 2-3.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 9 Nizan) Matye 21:1-11, 14-17

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje