Avril
Samdi 1ye avril
Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li. — Jan 3:16.
Nou konnen Jezi montre li renmen nou anpil lefètke l te aksepte bay lavi l pou nou (Jan 15:13). Pou jan Jewova ak Jezi montre yo renmen nou, nou pap janm ka remèt yo sa. Men, nou kapab montre yo nou gen rekonesans nan fason nou viv chak jou (Kol. 3:15). Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo gen anpil rekonesans pou ranson an paske se grasa li yo vin gen bèl esperans sa a (Mat. 20:28), Piske yo gen lafwa nan sakrifis Kris la, Jewova fè konnen yo jis e li adopte yo kòm pitit li (Wom. 5:1; 8:15-17, 23). Lòt mouton yo gen anpil rekonesans pou ranson an tou. Piske yo gen lafwa nan sakrifis Kris la, Bondye konsidere yo kòm moun ki pwòp, e yo gen espwa pou yo “soti anba gwo tribilasyon an”. (Rev. 7:13-15.) Youn nan fason moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak lòt mouton yo montre yo gen rekonesans pou ranson an se lè yo asiste Memoryal la chak ane. w22.01 23 § 14-15.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 10 Nizan an) Matye 21:18, 19; 21:12, 13; Jan 12:20-50
Dimanch 2 avril
Kris te rachte nou. — Gal. 3:13.
Se pa fason yo te touye Jezi a ki te pi rèd pou li, se rezon yo te bay pou yo touye l la ki te pi fè l mal. Yo te lage fo akizasyon sou do l kòmkwa li te fè blasfèm, sa vle di li pa gen respè pou Bondye oswa pou non Bondye (Mat. 26:64-66). Akizasyon sa a te tèlman bay Jezi pwoblèm, li te swete pou Papa l pa kite l pran imilyasyon sa a (Mat. 26:38, 39, 42). Yo te oblije pann Jezi sou yon poto pou Juif yo te ka libere anba yon malediksyon (Gal. 3:10). Juif yo te pwomèt yo t ap obeyi Lwa Bondye a, men, yo pa t kenbe pwomès yo te fè a. Se sa k fè yo te merite mouri, nonsèlman paske yo se desandan Adan, men tou, paske yo te gen malediksyon sa a sou do yo (Wom. 5:12). Lalwa Bondye te bay pèp Izrayèl la te fè konnen yo te dwe touye yon gason ki fè yon peche ki merite lanmò. Apre sa, yo te ka pann kadav li sou yon poto (Det. 21:22, 23; 27:26). Donk, piske yo te pann Jezi sou yon poto, li te vin posib pou nasyon juif la ki te rejte Jezi benefisye sakrifis li te fè a. w21.04 16 § 5-6.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 11 Nizan an) Matye 21:33-41; 22:15-22; 23:1-12; 24:1-3
Lendi 3 avril
Mwen bay lavi m. — Jan 10:17.
Imajine jan dènye jou lavi Jezi te ye anvan yo te touye l. Li te kite sòlda women yo met men sou li e l te kite yo bat li san pitye (Mat. 26:52-54; Jan 18:3; 19:1). Yo bat li ak yon fwèt ki filange tout kò l. Annapre, yo fè l pote yon bwa byen lou sou do l ki tou ap senyen. Jezi kòmanse trennen poto a pou l al kote yo pral egzekite l la. Men, yon ti tan apre, yo bay yon mesye lòd pou l pote poto a pou li (Mat. 27:32). Lè Jezi rive kote l pral mouri a, sòlda yo kloure men l ak pye l sou poto a. Pwa kò l fè klou yo chire kote yo antre a. Zanmi Jezi yo tris anpil e manman l ap kriye. Men, chèf pami Juif yo ap pase Jezi nan rizib (Lik 23:32-38; Jan 19:25). Li fè plizyè èdtan ap soufri. Pozisyon l ye sou poto a fè l vin pi difisil pou l respire paske kè l ak poumon l fè twòp efò. Li sèvi ak dènye ti souf li genyen an pou l priye Jewova yon dènye fwa, apre sa li bese tèt li, li mouri (Mak 15:37; Lik 23:46; Jan 10:18; 19:30). Vrèmanvre, se yon lanmò ki te rèd anpil e ki te imilyan! w21.04 16 § 4.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 12 Nizan an) Matye 26:1-5, 14-16; Lik 22:1-6
DAT MEMORYAL LA
Apre solèy la fin kouche
Madi 4 avril
Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. — Lik 22:19.
Jezi te pale avèk 11 apot fidèl li yo konsènan de alyans: nouvo alyans lan ak alyans pou Wayòm nan (Lik 22:20, 28-30). Alyans sa yo te bay apot sa yo ak yon ti kantite moun posiblite pou yo vin wa e pou yo vin prèt nan syèl la (Rev. 5:10; 14:1). Se sèlman rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ki sou tè a toujou, ki nan de alyans sa yo, ki ka pran nan pen an ak nan diven an nan Memoryal la. Jewova ba yo yon esperans estrawòdinè: yo gen posiblite pou y al viv nan syèl kote yo pap ka mouri e kò yo pap ka dekonpoze, yo pral dirije ansanm ak Jezi Kris ki nan glwa li e ak lòt moun ki fè pati 144 000 yo, e anplis de sa, y ap gen posiblite pou yo wè Jewova Dye (1 Kor. 15:51-53; 1 Jan 3:2)! Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo konnen yo dwe rete fidèl jiskaske yo mouri. — 2 Tim. 4:7, 8. w22.01 21 § 4-5.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 13 Nizan an) Matye 26:17-19; Lik 22:7-13 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche 14 Nizan) Matye 26:20-56
Mèkredi 5 avril
W ap avè m nan Paradi a. — Lik 23:43.
Yo te met de bandi sou poto bò kot Jezi (Lik 23:40, 41). Gen youn ladan yo ki vire gad Jezi epi l di l: “Jezi, sonje m lè w vin wa.” (Lik 23:42). Jezi te kapab bay bandi sa a ki t apral mouri espwa paske li konnen Papa l gen mizèrikòd (Sòm 103:8). Jezi egzakteman menm jan ak Papa l (Ebre 1:3). Jewova dispoze padone nou e li vle fè nou mizèrikòd. Men, l ap fè sa si nou vrèman regrèt move bagay nou te konn fè, e si nou montre nou gen lafwa nan sakrifis Jezi Kris la (1 Jan 1:7). Gen moun ki ka twouve l difisil pou yo kwè Jewova padone yo pou erè yo te fè. Si w konn santi w konsa pafwa, sonje sa: Yon ti tan anvan Jezi te mouri, li te montre l gen mizèrikòd pou yon bandi yo te kondane ki te apèn kòmanse montre li gen lafwa. Donk, èske Jewova pap gen plis mizèrikòd toujou pou adoratè fidèl li yo? — Sòm 51:1; 1 Jan 2:1, 2. w21.04 9 § 5-6.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 14 Nizan an) Matye 27:1, 2, 27-37
Jedi 6 avril
[Jezi] di: “Sa reyalize!” — Jan 19:30.
Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te fin fè tout sa Jewova te vle l fè. Lefètke Jezi te ret fidèl jiskaske l mouri, li te reyalize anpil bagay. Premyèman, li te montre aklè Satan se yon mantè. Li te montre yon moun pafè ka ret fidèl kèlkeswa sa Satan ta fè. Dezyèmman, Jezi te bay lavi l kòm ranson. Lefètke li te bay lavi l kòm sakrifis, sa te fè l vin posib pou moun enpafè vin zanmi Bondye e pou yo gen espwa viv pou toutan. Twazyèmman, Jezi te montre Jewova se yon dirijan ki jis, e li te retire vèni yo te lage sou non Papa l la. Se pou n konsidere chak jou n ap viv kòm dènye okazyon nou genyen pou n montre n fidèl! Menmsi nou ta devan lanmò, n ap ka di: “Jewova, mwen te fè tout sa m kapab pou m ret fidèl, pou m montre aklè Satan se yon mantè, e pou m defann non w ak dwa w genyen pou w dirije antanke Souvren an.” w21.04 12 § 13-14.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 15 Nizan an) Matye 27:62-66 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche 16 Nizan) Matye 28:2-4
Vandredi 7 avril
Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. Koute l. — Mat. 17:5.
Apre yo fin akize Jezi pou yon bagay li pa t fè e yo kondane l, yo pase l nan rizib, yo bat li avèk raj, e apre sa, yo kloure l sou yon poto soufrans. Klou yo pèse men l ak pye l. Chak souf li pran, chak pawòl li di, fè l soufri plis toujou. Men, li oblije pale paske li gen bagay pou l di. Gen anpil leson enpòtan nou ka aprann nan dènye pawòl Jezi te di yo. Pawòl sa yo fè nou sonje nou bezwen padone lòt moun e nou bezwen gen konfyans Jewova ap padone nou. Nou kontan gen anpil frè ak sè nan kongregasyon an ki tankou yon fanmi pou nou e ki dispoze ede nou. Men, lè nou bezwen èd, nou dwe fè yo konn sa. Nou konnen kèlkeswa pwoblèm nou jwenn, Jewova ap ede nou andire. E nou wè jan li enpòtan pou nou konsidere chak jou n ap viv kòm dènye okazyon nou genyen pou n montre nou fidèl, paske nou gen konfyans Jewova ap reban nou lavi si n ta mouri. w21.04 8 § 1; 13 § 17-18.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 16 Nizan an) Matye 28:1, 5-15
Samdi 8 avril
Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris. — Jan 17:3.
Lè n suiv tras Jezi, n ap gen lavi ki pap janm fini an. Lè yon jèn gason ki te rich te mande Jezi ki sa l bezwen fè pou l gen lavi ki pap janm fini an, Jezi te di l: “Vin suiv mwen.” (Mat. 19:16-21). Men sa Jezi te di kèk Juif ki pa t kwè li se Kris la: “Mouton m yo [...] suiv mwen. E mwen ba yo lavi ki pap janm fini an.” (Jan 10:24-29). Nou demontre nou gen lafwa nan Jezi lè n suiv sa l te di ak sa l te fè. Si n fè sa, n ap kontinye mache sou wout lavi ki pap janm fini an (Mat. 7:14). Nou dwe aprann konnen Jezi pou n ka suiv tras li pye pou pye. “Aprann konnen” Jezi se yon bagay nou dwe kontinye fè. Nou dwe kontinye aprann konnen l chak jou, sa vle di aprann konn kalite l yo, fason l panse ak prensip li yo. Kèlkeswa kantite tan nou gen nan laverite, nou dwe kontinye fè efò pou n aprann konnen Jewova ak Pitit Gason l lan. w21.04 4 § 9-10.
Dimanch 9 avril
Lontan mwen te yon moun ki te konn blasfeme. — 1 Tim. 1:13.
Sa dwe te konn fè apot Pòl mal anpil lè l t ap panse ak sa l te konn fè anvan l te vin kretyen. Li te di li “pi mal” pase tout moun k ap pratike peche, e nou pa sezi pou sa (1 Tim. 1:15)! Anvan Pòl te aprann laverite, li te konn pèsekite kretyen yo sot nan yon vil al nan yon lòt, li te fè met kèk nan yo nan prizon e li te dakò pou yo touye kèk lòt (Tra. 26:10, 11). Èske w ka imajine jan Pòl t ap santi l si l ta rankontre yon jèn kretyen li te dakò pou yo touye paran l? Pòl te regrèt move aksyon li te fè yo, men, li pa t ka chanje sa. Li te aksepte Kris te mouri pou li, e li te kapab di avèk asirans: “Se grasa favè san parèy Bondye a mwen vin sa m ye a.” (1 Kor. 15:3, 10). Ki leson nou aprann? Ou bezwen aksepte Kris te mouri pou ou, e li fè l vin posib pou w vin bon zanmi Jewova (Tra. 3:19). Sa k konte pou Bondye se sa n ap fè kounye a ak sa n ap fè alavni, men, se pa move bagay nou te fè anvan sa. — Eza. 1:18. w21.04 23 § 11.
Lendi 10 avril
Verifye mesaj yo pou nou wè si yo soti nan Bondye toutbonvre, paske gen anpil fo pwofèt ki lage nan monn nan. — 1 Jan 4:1.
Byenke anpil Juif nan epòk Jezi a pa t atann Mesi a t ap gen pou l mouri, remake sa Ekriti yo te gentan anonse: “Li te bay lavi l, e yo te konsidere l menm jan ak moun k ap fè peche yo. Li te pot peche anpil moun, e li te plede kòz moun ki peche yo.” (Eza. 53:12). Donk, Juif yo pa t gen okenn rezon pou yo bite lè yo te touye Jezi tankou yon moun ki fè yon bagay ki mal. Jodi a, nou ka evite bite lè n chèche konn sa ki laverite. Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te fè moun ki t ap koute l yo konnen gen moun ki t ap “di tout kalite move bagay ki pa vre sou” yo (Mat. 5:11). Se Satan ki vin ak manti sa yo. Li pouse moun ki kont moun ki renmen laverite yo gaye yon seri vye manti sou yo (Rev. 12:9, 10). Nou pa dwe koute manti moun ki opoze ak nou yo ap gaye sou nou. Nou pa dwe janm kite manti sa yo fè nou kraponnen oswa kraze lafwa nou. w21.05 11 § 14; 12 § 16.
Madi 11 avril
Se sa k fè nou pa bezwen pè, nou gen plis valè pase yon bann tikit. — Mat. 10:31.
Ede etidyan an pou l fè Jewova konfyans. Jezi te bay disip li yo asirans Jewova t ap ede yo paske Li renmen yo (Mat. 10:19, 20, 29, 30). Fè etidyan an konnen Jewova ap ede l tou. Ou ka ede l pou l konte sou Jewova lè w priye Jewova avè l sou objektif li genyen yo. Men sa Franciszek k ap viv nan peyi Polòy di: “Souvan, moun ki t ap etidye Labib avè m nan te konn priye Jewova pou L ede m reyalize objektif mwen yo.” Apre sa, li di: “Lè m te wè jan Jewova te reponn priyè moun ki t ap etidye Labib avè m nan, mwen pa t pran tan pou m te kòmanse priye tou. Mwen te santi Jewova te ede m lè m te bezwen jou òf nan yon travay mwen te fèk jwenn pou m te ka asiste reyinyon ak kongrè.” Jewova gen anpil sousi pou etidyan nou yo. Li konnen tout efò kretyen yo ap fè pou yo ede moun y ap anseye yo vin pi pwòch avè l, e li renmen yo pou sa (Eza. 52:7). Si w pa gen etid kounye a, ou ka toujou ede etidyan yo pou yo fè pwogrè pou yo batize lè w al fè etid ak lòt pwoklamatè ki gen etid. w21.06 7 § 17-18.
Mèkredi 12 avril
Li pran plezi nan lwa Jewova a. E li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. — Sòm 1:2.
N ap montre nou apresye privilèj nou genyen pou n gen Pawòl Bondye a lè nou li l regilyèman. Nou pa ta dwe fè etid pèsonèl nou yon lè konsa, lè nou santi nou gen tan. Lè nou gen yon pwogram pou nou etidye regilyèman, n ap ka kontinye ranfòse lafwa nou. Kontrèman ak “moun save ak moun lespri” ki nan monn sa a, nou gen yon lafwa solid ki baze sou Pawòl Bondye a (Mat. 11:25, 26). Piske nou etidye liv sakre sa a, nou konn rezon ki fè sitiyasyon ki gen sou tè a ap vin pi mal, e ki sa Jewova pral fè pou l met yon fen nan sa. Donk, ann pran detèminasyon pou n ranfòse lafwa nou e pou n ede kantite moun nou kapab pou yo vin gen lafwa nan Kreyatè nou an (1 Tim. 2:3, 4). Ann kontinye tann moman kote tout moun sou tè a pral met ansanm pou yo di pawòl ki nan Revelasyon 4:11 lan ki di: “Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, [...] paske ou kreye tout bagay.” w21.08 19 § 18-20.
Jedi 13 avril
Se pou lanmou nou gen pou frè nou yo makònen ak gwo afeksyon nou gen youn pou lòt. — Wom. 12:10.
Antanke bèje, ansyen yo gen responsablite pou yo bay konsèy lè sa nesesè. Yo dwe bay konsèy ki itil e ki ankourajan, epi k ap “bay kè kontan”. (Pwo. 27:9.) Ansyen yo renmen frè ak sè yo. Pafwa, yo montre sa lè yo bay yon moun ki sou yon move pant konsèy (Gal. 6:1). Sepandan, anvan yon ansyen al pale ak moun nan, li ta bon pou l reflechi sou kèk bagay apot Pòl te di konsènan lanmou. “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. [...] Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay.” (1 Kor. 13:4, 7). Lè ansyen an medite sou vèsè sa yo, sa ap ede l egzamine rezon ki pouse l bay frè l la konsèy epi pale ak frè l la yon fason ki montre li renmen l. Si moun k ap resevwa konsèy la santi ansyen an gen sousi pou li, l ap pi fasil pou l aksepte konsèy la. w22.02 14 § 3; 15 § 5.
Vandredi 14 avril
Yo te fè rebèl e yo te fè lespri sen l lapenn. — Eza. 63:10.
Jewova te kreye zanj yo ak lèzòm pafè, san okenn defo. Men, annapre, zanj rebèl ki rele Satan an (ki vle di “Opozan”) te fè Adan ak Èv, ki te pafè, vire do bay Jewova. Gen lòt zanj ak lòt moun ki te vin rebèl tou (Jid 6). Jewova te gen rezon santi yo trayi l. Men, li andire e l ap kontinye andire jiskaske moman an rive pou l detwi tout rebèl yo. Se pa ti soulajman sa pral pote pou sèvitè fidèl Jewova yo k ap andire move bagay k ap fèt nan sistèm sa a menm jan avè l! Manti Dyab la pa sispann bay yo. Satan te akize Jòb, yon sèvitè Jewova ki te fidèl, lè l te fè konnen se pou enterè tout sèvitè Jewova ki fidèl yo ap adore l (Jòb 1:8-11; 2:3-5). Dyab la kontinye akize lèzòm jis jounen jodi a (Rev. 12:10). Nou chak kapab montre se manti Satan ap bay lè nou andire eprèv nou jwenn e lè nou ret fidèl ak Jewova paske nou renmen l. w21.07 9 § 7-8.
Samdi 15 avril
Retire move aksyon nou yo devan je m. Sispann fè sa ki mal. — Eza. 1:16.
Apot Pòl te pran yon bèl egzanp pou l montre jan sa enpòtan pou n chanje fason n ap viv. Nan yon lèt li te ekri, li te fè konnen nou dwe kloure “ansyen pèsonalite nou te genyen an” “sou poto a”. (Wom. 6:6.) Sa vle di, nou bezwen suiv egzanp Kris. Nou bezwen elimine yon seri konpòtman ak yon seri abitid Jewova rayi. Se sèlman si nou fè sa, n ap gen yon konsyans ki klè e n ap gen espwa viv pou toutan (Jan 17:3; 1 Pyè 3:21). Jewova pap chanje prensip li yo pou fè n plezi. Okontrè, se nou menm ki bezwen chanje moun nou ye a pou n konfòme n ak prensip li yo (Eza. 1:17, 18; 55:9). Menm apre w fin batize, w ap bezwen kontinye lite kont move dezi. Priye Jewova pou w mande l èd, epi konte sou lespri l, pa konte sou fòs pa w (Gal. 5:22; Flp. 4:6). Si n vle retire ansyen pèsonalite a sou nou epi fè l rete lwen nou, nou dwe fè anpil efò. w22.03 6 § 15-17.
Dimanch 16 avril
[Jewova] ap soutni w. — Sòm 55:22.
Jewova pwomèt l ap ban nou manje, rad ak kote pou n rete si nou chèche Wayòm li an an premye e si nou aplike prensip li yo ki jis (Mat. 6:33). Lè nou sonje sa, nou pap met nan tèt nou bagay materyèl monn sa a ofri yo ap pwoteje nou e y ap fè nou viv ak kè kontan. Nou konnen sèl fason nou kapab santi nou anpè toutbon se lè nou fè volonte Jewova (Flp. 4:6, 7). Menmsi nou gen mwayen pou n achte anpil bagay, nou dwe reflechi pou n wè si n vrèman gen tan oswa fòs pou n sèvi ak bagay sa yo e pou n pran swen yo. Epitou, èske nou pa t ap vin twò atache ak bagay nou posede yo? Sonje Bondye ban nou responsablite nan fanmi l. Sa vle di, nou pa dwe kite anyen fè nou distrè. Se sèten nou pa ta renmen sanble ak mesye ki te pèdi okazyon li te jwenn pou l sèvi Jewova ak posiblite pou Jewova adopte l kòm pitit li, paske li te twò atache ak kèk grenn bagay li te posede sou tè a! — Mak 10:17-22. w21.08 6 § 17.
Lendi 17 avril
Se pou nou toujou pare pou nou defann nou devan nenpòt moun. — 1 Pyè 3:15.
Tank w ap etidye Bib la, se tank w ap aprann konn pèsonalite Jewova ak kalite l yo. Se menm kalite sa yo ou te aprann lè w t ap egzamine kreyasyon an. Li klè, se yon Moun ki egziste toutbon ki gen kalite sa yo e se pa envante yo envante yo (Egz. 34:6, 7; Sòm 145:8, 9). Tank w ap vin konn Jewova pi byen, w ap vin gen plis lafwa nan li, w ap vin pi renmen l, e relasyon w gen avè l la ap vin pi solid. Pale ak lòt moun sou lafwa w gen nan Bondye. Men, e si w ap preche yon moun ki pa fin kwè Bondye egziste e w pa fin konn ki repons pou w ba l? Chèche jwenn repons Bib la bay pou kesyon sa a nan youn nan piblikasyon nou yo, epi pale sou sa ak moun nan. Epitou, ou kapab mande yon lòt Temwen ki gen eksperyans pou l ede w. Kit moun nan aksepte repons ki nan Bib la, kit li pa aksepte l, rechèch ou te fè a ap itil ou. Lafwa w ap vin pi solid. w21.08 18 § 14-15.
Madi 18 avril
Mwen pa t ezite anonse nou tout bagay. — Tra. 20:20.
Nou pa bezwen abandone tout bagay nou renmen pou nou kapab fè Jewova plezi (Ekl. 5:19, 20). Men, si nou pa ta vle fè plis pou Jewova paske nou pa vle abandone kèk bagay nou renmen, nou t ap fè menm erè ak mesye ki nan egzanp Jezi te bay la ki te travay di pou l gen anpil bon bagay, men ki pa t bay Bondye regle anyen pou li (Lik 12:16-21). Lè nou gen pwoblèm, nou priye Jewova pou l ede n e nou byen reflechi pou n konn ki sa pou n fè (Pwo. 3:21). Jewova beni nou plizyè fason. Nou ka montre jis nan ki pwen nou gen rekonesans pou bagay Jewova ban nou yo lè nou fè tout sa nou kapab pou nou fè louwanj pou li (Ebre 13:15). Petèt nou kapab chèche fè plis pou Jewova nan sèvis n ap ba li a. Konsa, Jewova ka beni nou pi plis toujou. Chak jou, ann chèche fason pou n “goute e [pou n] wè jan Jewova bon”. (Sòm 34:8.) Lè nou fè sa, n ap suiv egzanp Jezi ki te di: “Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.” — Jan 4:34. w21.08 30-31 § 16-19.
Mèkredi 19 avril
Ògèy lakòz moun tonbe, e awogans lakòz moun bite. — Pwo. 16:18.
Satan ta renmen nou vin gen ògèy. Li konnen si nou vin gen ògèy, n ap vin menm jan avè l e nou pap gen lavi ki pap janm fini an. Se sa k fè apot Pòl te fè konnen yon moun ka “vin gonfle ak ògèy, e [li ka] tonbe anba menm kondanasyon ak Dyab la”. (1 Tim. 3:6, 7.) Sa ta ka rive nenpòt nan nou, kit nou fèk vin nan laverite, kit nou gen plizyè ane depi n ap sèvi Jewova. Yon moun ki gen ògèy se yon moun ki egoyis. Satan eseye fè nou vin egoyis, li eseye fè nou plis panse ak tèt nou olye nou plis panse ak Jewova, sitou lè nou nan pwoblèm. Pa egzanp, èske yo te akize w pou yon bagay ou pa t fè? Oswa, èske yon moun te mal aji avè w? Satan ta renmen wè w vin fache kont Jewova oswa kont frè w ak sè w yo. Epitou, Dyab la ta renmen w panse sèl fason pou w rezoud pwoblèm nan se aji fason pa w olye w suiv konsèy Jewova ba w nan Pawòl li a. — Ekl. 7:16, 20. w21.06 15 § 4-5.
Jedi 20 avril
“Se pou nou tout ki abite nan peyi a met kran sou nou e se pou n travay.” Se sa Jewova di. “Paske, mwen avèk nou.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di. — Aje 2:4.
Jewova te bay pwofèt Aje yon misyon enpòtan. Nan ane 537 anvan epòk nou an, sanble Aje te pami moun ki te sot ann egzil Babilòn pou retounen Jerizalèm. Yon ti tan apre sèvitè fidèl Jewova sa yo te rive Jerizalèm, yo te kòmanse fè fondasyon kay Jewova a, anpalan de tanp lan (Esd. 3:8, 10). Men, sa pa t pran anpil tan pou te vin gen yon gwo pwoblèm. Yo te jwenn opozisyon, sa te dekouraje yo e yo te kanpe travay la (Esd. 4:4; Aje 1:1, 2). Se sa k fè, nan ane 520 anvan epòk nou an, Jewova te voye pwofèt Aje al ankouraje Juif yo pou yo fin konstwi tanp lan (Esd. 6:14, 15). Mesaj Aje te bay la se te nan objektif pou ankouraje Juif yo vin gen plis lafwa nan Jewova. Ekspresyon “Jewova, Chèf lame yo” dwe te ankouraje yo. Jewova ap dirije yon gwo lame zanj, se sa k fè Juif yo te bezwen konte sou li pou yo reyisi. w21.09 15 § 4-5.
Vandredi 21 avril
Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou. — Jan 13:35.
Jodi a, toupatou sou tè a, Temwen Jewova yo renmen youn lòt toutbon e yo gen tèt ansanm nan mitan yo. Nou diferan nèt ak lòt relijyon yo paske nou tankou yon fanmi, menmsi nou pa sot nan menm peyi e nou pa gen menm kilti. Nou wè vrè lanmou an nan reyinyon nou yo, nan asanble ak nan kongrè nou yo. Sa fè n gen plis konviksyon toujou se fason n ap adore Jewova a ki fè l plezi (Jan 13:34). Ekriti yo ankouraje nou pou nou “gen anpil lanmou youn pou lòt”. (1 Pyè 4:8.) Youn nan fason n ap montre nou gen lanmou sa a se lè nou padone youn lòt ak lè nou pa ret konsantre sou enpèfeksyon youn lòt. Nou chèche okazyon tou pou nou montre nou donan e pou nou akeyi tout moun nan kongregasyon an, menm moun ki ta fè n yon bagay ki pa fè n plezi (Kol. 3:12-14). Lè nou renmen youn lòt fason sa a, nou montre aklè nou se vrè kretyen. w21.10 22 § 13-14.
Samdi 22 avril
Moun ki renmen pitit li pa neglije ba l disiplin. — Pwo. 13:24.
Lè yo eskominye yon moun ki peche e ki pa repanti, èske sa kapab ede moun nan pou l chanje? Wi, sa kapab ede l. Anpil nan moun ki t ap pratike peche grav te di, lefètke yo te eskominye, sa te ede yo rann yo kont jis nan ki pwen peche yo te fè a te grav. Sa te ede yo pou yo repanti, pou yo chanje fason yo t ap viv e pou yo retounen vin jwenn Jewova (Ebre 12:5, 6). Ann pran yon egzanp. Yon bèje gendwa remake youn nan mouton l yo malad. Li konnen pou l trete maladi mouton l lan genyen an li oblije mete l yon kote poukont li pou lòt mouton yo pa pran maladi a. Men, mouton se bèt ki renmen ret ansanm. Si yo separe yo, yo ka panike. Men, lefètke bèje a te met mouton an apa, èske sa vle di li se yon moun ki di e ki mechan? Non. Li konnen si l kite mouton ki malad la ansanm avèk lòt yo, y ap malad tou. Lefètke li met mouton ki malad la apa, li pwoteje tout twoupo a. w21.10 10 § 9-10.
Dimanch 23 avril
Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo e y ap ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa. — Mat. 5:16.
Se yon gwo privilèj nou genyen pou n fè pati yon fanmi ki gen ladan l frè ak sè ki sot toupatou sou tè a. Nou ta renmen plis moun toujou vin adore Bondye nou an ansanm avèk nou. Nou dwe veye pou n pa janm fè anyen ki ta ka sal repitasyon Jewova, Papa nou ki nan syèl la, oswa repitasyon pèp li a. Nou fè efò pou n aji yon fason k ap fè moun yo anvi tande bon nouvèl la. Pafwa, kèk moun ka kritike nou oswa yo ka menm pèsekite nou paske nou obeyi Papa nou ki nan syèl la. Ki sa nou ka fè si nou santi nou pè lè n ap pale de kwayans nou ak lòt moun? Nou ka konte sou Jewova ak Pitit Gason l lan pou ede nou. Jezi te fè disip li yo konnen yo pa bezwen enkyete yo pou fason y ap gen pou yo pale oswa pou sa y ap gen pou yo di. Poukisa? Men sa Jezi te di: “N ap konnen sa n ap gen pou nou di a lè lè a rive. Paske, se pa nou menm sèlman k ap pale, men se lespri Papa nou k ap pale nan nou.” — Mat. 10:19, 20. w21.09 24 § 17-18.
Lendi 24 avril
Men sa m ap di Jewova: “Ou se refij mwen ak fòtrès mwen.” — Sòm 91:2.
Moyiz te sèvi ak yon konparezon menm jan an pou l pale de yon refij (Sòm 90:1, nòt). Epitou, yon ti tan anvan Moyiz mouri, li te fè yon lòt bèl konparezon. Men sa l te ekri: “Bondye se yon refij pou nou depi lontan, l ap soutni nou ak bra l ki la pou toutan.” (Det. 33:27). Ki sa ekspresyon “l ap soutni nou ak bra l ki la pou toutan” an aprann nou sou Jewova? Lè Jewova se refij nou, nou santi nou an sekirite. Men, gende jou nou ka santi n dekouraje e n pa ka fè anyen pou n anpeche sa. Lè konsa, ki sa Jewova ap fè pou nou (Sòm 136:23)? L ap soutni n ak bra l, l ap leve n dousman, e l ap ede n pou n kanpe sou de pye n ankò (Sòm 28:9; 94:18). Lefètke n konnen nou ka toujou konte sou èd Bondye, sa fè n sonje de fason li beni nou. Premyèman, kèlkeswa kote n ap viv, Jewova ap toujou pwoteje n. Dezyèmman, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou gen anpil sousi pou nou. w21.11 6 § 15-16.
Madi 25 avril
Nou [...] gen lapenn [...] akoz divès eprèv nou jwenn. — 1 Pyè 1:6.
Jezi te konnen disip li yo t ap gen pou yo sibi enjistis, e sa t ap pase lafwa yo anba eprèv. Se sa k fè, li te bay yon egzanp nou jwenn nan liv Lik la pou l te ede yo andire eprèv sa yo. Jezi te rakonte istwa yon vèv ki pa t sispann sipliye yon jij ki enjis pou jij la te fè l jwenn jistis. Vèv la te sèten si l te kole nan kò jij la, finalman li t ap ede l. E vrèmanvre, jij la te fè l jwenn jistis. Ki leson nou ka aprann? Jewova pa enjis. Men sa Jezi te di: “E Bondye menm, èske li pap fè moun li chwazi yo k ap rele nan pye l lajounen kou lannuit yo jwenn jistis?” (Lik 18:1-8). E men sa Jezi te di apre sa: “Lè Pitit lòm nan vini, èske vrèmanvre l ap jwenn moun sou tè a ki gen lafwa sa a?” Lè n ap sibi enjistis, nou bezwen montre nou gen yon lafwa solid menm jan ak vèv la, lè nou demontre pasyans ak pèseverans. Yon lafwa konsa ap ban nou asirans Jewova ap ede nou kanmenm. Epitou, nou bezwen gen konfyans nan pouvwa lapriyè genyen. w21.11 23 § 12; 24 § 14
Mèkredi 26 avril
Ki jan yon jèn gason ka mennen yon vi ki pwòp? Se lè li veye pou l aji dapre pawòl ou. — Sòm 119:9.
Nou menm jèn, èske pafwa nou konn santi prensip Jewova yo retire nan libète nou? Se sa Satan vle nou panse. Li ta renmen nou konsantre n sou sa moun k ap mache nan wout ki laj la ap fè ak sou bèl vi yo swadizan ap mennen an. Li ta renmen w panse ou pap jwi lavi w menm jan ak kamarad lekòl ou oswa moun ou wè sou Entènèt. Satan vle w panse prensip Jewova yo anpeche w byen pwofite lavi a. Men, sonje: Satan pa vle moun ki sou wout sa a wè ki sa k ap tann yo nan fen vwayaj la (Mat. 7:13, 14). Jewova bò kote pa l fè n wè byen klè ki sa k rezève pou moun ki kontinye mache nan wout lavi a. — Sòm 37:29; Eza. 35:5, 6; 65:21-23. w21.12 23 § 6-7.
Jedi 27 avril
Padone frè nou ak tout kè nou. — Mat. 18:35.
Nou konnen nou dwe padone. Li bon pou nou fè sa. Men, li ka difisil pou nou fè l. Apot Pyè dwe te konn santi sa pafwa (Mat. 18:21, 22). Ki sa k ka ede nou? Premyèman, medite sou kantite fwa Jewova padone w (Mat. 18:32, 33). Nou pa merite pou Jewova padone nou, men li fè sa ak tout kè l (Sòm 103:8-10). Anmenmtan, “nou menm tou, nou gen obligasyon pou youn renmen lòt”. Se sa k fè nou dwe padone. Se yon dèt nou gen pou frè n ak sè n yo (1 Jan 4:11). Dezyèmman, medite sou sa k rive lè nou padone. Sa ka ede moun ki mal aji ak nou an, sa ka fè gen tèt ansanm nan kongregasyon an, sa ka pwoteje amitye nou gen ak Jewova a e sa ap retire yon chay lou sou do nou (2 Kor. 2:7; Kol. 3:14). Finalman, priye Sila a ki mande nou pou n padone a. Pa kite Satan anpeche w kontinye viv anpè ak frè w ak sè w yo (Efe. 4:26, 27). Nou bezwen èd Jewova pou n pa tonbe nan pyèj sa a Satan tann pou nou. w21.06 22 § 11; 23 § 14.
Vandredi 28 avril
Se ou k ap vin wa ann Izrayèl. — 1 Sam. 23:17.
David te nan kouri pou l te ka sove lavi l. Sayil, wa peyi Izrayèl la, ki te gen anpil pouvwa, te deside touye l. Lè David te bezwen manje pou l manje, li te pase nan vil Nòb, e l te mande pou yo ba l senk pen (1 Sam. 21:1, 3). Annapre, li menm ak mesye l yo t al pran refij nan yon gwòt (1 Sam. 22:1). Ki jan David te fè twouve l nan sitiyasyon sa a? Sayil te vrèman jalou poutèt David te gen anpil moun ki renmen l e poutèt li te pot anpil viktwa. Sayil te konnen tou, se David Jewova te chwazi pou bay twòn nan (1 Sam. 23:16, 17). Lefètke Sayil te wa peyi Izrayèl, li te gen yon gwo lame ak anpil moun ki t ap soutni l. Se sa k fè David te oblije al nan mawon pou l te ka sove lavi l. Èske Sayil te vrèman panse li t ap ka anpeche Bondye reyalize objektif li gen pou David la (Eza. 55:11)? Labib pa di anyen sou sa, men, gen yon bagay nou kapab sèten: Sayil te met tèt li nan gwo pwoblèm. Moun k ap lite ak Bondye toujou pèdi! w22.01 2 § 1-2.
Samdi 29 avril
Nikodèm [...] vin kot Jezi lannuit. — Jan 3:1, 2.
Jezi te fè anpil efò pou l te preche moun yo epi anseye yo. Li te montre l te renmen moun yo lè l te pwofite tout okazyon l te jwenn pou l kontinye anseye yo (Lik 19:47, 48). Ki sa k te pouse l fè sa? Li te gen pitye pou yo. Pafwa, te tèlman gen moun ki te vle tande pawòl Jezi t ap di yo, ni li menm ni disip li yo “pa t menm gen tan pou yo manje”. (Mak 3:20.) Epitou, Jezi te menm dispoze pale ak yon mesye lannuit, paske se lè sa a ki te pi bon pou mesye a pou l pale ak Jezi. Pifò moun ki te konn tande Jezi okòmansman yo pa t vin disip li. Men, tout moun ki te tande l yo te jwenn yon temwayaj konplè. Jodi a, nou vle bay tout moun posiblite pou yo tande bon nouvèl la (Tra. 10:42). Olye pou nou kenbe yon pwogram ki bon pou nou, nou ta dwe dispoze fè chanjman nan pwogram nou pou n preche nan lè l pi fasil pou n jwenn moun yo. Si nou fè sa, nou kapab gen asirans Jewova ap kontan. w22.01 17 § 13-14.
Dimanch 30 avril
Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri. — Ekl. 8:9.
Jodi a, anpil moun twouve l difisil pou yo fè moun ki gen otorite konfyans. Yo wè gouvènman yo ak lajistis gen tandans pwoteje moun ki rich ak moun ki gen pouvwa, men, yo pa vrèman ede moun ki pòv yo. Anplis de sa, gen kèk chèf relijye k ap fè sa k pa bon, sa ki lakòz kèk moun pèdi konfyans nan Bondye. Se sa k fè, lè yon moun dakò pou n etidye Labib avè l, nou bezwen ede l aprann fè Jewova konfyans, epi aprann fè moun ki reprezante Jewova sou tè a konfyans tou. Nòmalman, se pa sèlman etidyan Labib yo ki bezwen aprann fè Jewova ak òganizasyon l lan konfyans. Menm moun ki gen anpil ane nan laverite pa dwe janm bliye fason Jewova aji toujou pi bon. Pafwa, gen sitiyasyon ki ka teste konfyans nou gen nan Jewova. w22.02 2 § 1-2.