Me
Lendi 1ye me
Reflechi seryezman sou moun sa a ki te andire. — Ebre 12:3.
Piske Jewova renmen nou, li fè met kat Evanjil yo nan Pawòl li a pou ede nou aprann konnen Pitit Gason l lan. Evanjil yo rakonte istwa lavi Jezi ak travay li te fè. Nan istwa sa yo, nou aprann konnen sa Jezi te di ak sa l te fè, e yo fè n konnen fason l te konn santi l. Kat liv sa yo ede nou “reflechi seryezman” sou egzanp Jezi te bay. Anfèt, nan Evanjil yo, n ap jwenn tras Jezi kite pou n suiv. Se sa k fè, lè n egzamine Evanjil yo, n ap vin konn Jezi pi byen toujou. Konsa, n ap ka suiv tras li pye pou pye. Pou n ka aprann plis nan Evanjil yo, nou pa dwe annik li yo. Nou bezwen pran tan pou n byen etidye yo e pou n byen medite sou yo. (Konpare ak Jozye 1:8, nòt.) Eseye viv istwa ki nan Evanjil yo. Sèvi ak imajinasyon w pou w wè, pou w tande e pou w santi sa k ap pase a. Fè kèk rechèch nan piblikasyon òganizasyon Jewova a ban nou yo. w21.04 4-5 § 11-13.
Madi 2 me
Sa n ap preche, se Kris yo te kloure sou poto pou l mouri a. Sa lakòz Juif yo bite. — 1 Kor. 1:23.
Plizyè syèk anvan Jezi te vin sou tè a, Jewova te gentan fè konnen yo t ap gen pou yo trayi Mesi a pou 30 pyès monnen ann ajan (Zak. 11:12, 13). Se youn nan bon zanmi Jezi yo ki t ap gen pou fè kou trèt sa a (Sòm 41:9). Men sa pwofèt Zakari te di tou: “Frape bèje a, e tout mouton yo ap gaye.” (Zak. 13:7). Evènman sa yo pa ta dwe fè moun ki sensè yo bite, okontrè, yo ta dwe vin gen plis lafwa lè yo wè pwofesi sa yo reyalize sou Jezi. Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. Nan epòk pa nou an, gen kèk Temwen moun byen konnen ki kite laverite, ki vin aposta, e apre sa k ap eseye rale lòt moun vin jwenn yo. Y ap gaye move enfòmasyon, y ap di pawòl ki pa fin verite ak yon seri manti kri sou Temwen Jewova yo sou Entènèt ak nan medya yo. Men, moun ki sensè yo pa kite yo twonpe yo. Okontrè, yo konnen Labib te gentan anonse bagay sa yo t ap gen pou rive. — Mat. 24:24; 2 Pyè 2:18-22. w21.05 11 § 12; 12-13 § 18-19.
Mèkredi 3 me
Chemen moun ki dwat yo tankou klète douvanjou ki kontinye ap vin pi klere jiskaske l fin jou nèt. — Pwo. 4:18.
Ekriti yo fè konnen aklè se pa yon sèl kou n ap vin gen konesans egzak la (Kol. 1:9, 10). Jewova ede nou konprann laverite tikras pa tikras, e nou dwe dispoze tann avèk pasyans pou limyè verite a vin pi klere. Lè frè ki alatèt yo rann yo kont nou bezwen fè chanjman nan fason nou te konprann yon verite nan Bib la, yo fè chanjman an tousuit. Anpil legliz nan lakretyente chanje sa y ap anseye yo pou yo ka fè fidèl yo plezi oswa paske y ap chèche vin pwòch ak monn nan. Sepandan, lè òganizasyon Jewova a fè chanjman se pou nou ka vin pi pwòch ak Bondye e pou nou ka adore l fason Jezi te montre a (Jak 4:4). Nou pa fè chanjman sa yo pou n fè moun plezi, men nou fè yo paske nou vin konprann Bib la pi byen. Nou renmen laverite! — 1 Tes. 2:3, 4. w21.10 22 § 12.
Jedi 4 me
Lage tout tètchaje nou genyen sou li. — 1 Pyè 5:7.
Reflechi sou jan Jewova ede w (Sòm 55:22). Sa ap fè w wè ou pa poukò w. Reflechi tou sou jan Jewova ede frè ak sè ki santi yo poukò yo (1 Pyè 5:9, 10). Men sa Hiroshi, yon frè ki fè plizyè ane ap sèvi Jewova poukont li nan fanmi l, di: “Lefètke nou konnen se nou tout k ap fè tout sa nou kapab pou nou sèvi Jewova, sa ka ankouraje frè ak sè ki poukont yo nan laverite.” Anplis, kontinye gen bon abitid nan sèvis Jewova a. Sa gen ladan l di Jewova egzakteman jan w santi w. Li enpòtan pou w li Pawòl Bondye a regilyèman, medite sou kèk istwa ki montre Jewova renmen w. Gen kèk kretyen ki aprann kèk vèsè pa kè ki vrèman ankourajan, tankou Sòm 27:10 ak Ezayi 41:10. Gen lòt kretyen ki twouve lè y ap koute anrejistreman odyo piblikasyon yo, lè y ap prepare reyinyon oswa lè y ap li Labib, sa ede yo pou yo pa tèlman santi yo poukò yo. w21.06 9-10 § 5-8.
Vandredi 5 me
Ou pap pè okenn malè ki ka rive bridsoukou. — Pwo. 3:25.
Èske w nan lapenn akoz yon moun pa w ki mouri? Pran tan pou w ranfòse lafwa w nan rezirèksyon an lè w li istwa yon seri moun nan Bib la Bondye te resisite. Èske w nan lapenn akoz ou gen yon moun nan fanmi w ki eskominye? Fè rechèch pou w ka konvenk tèt ou fason Bondye bay disiplin nan toujou pi bon. Kèlkeswa pwoblèm ou genyen, sèvi avè l kòm yon okazyon w genyen pou w fòtifye lafwa w. Di Jewova egzakteman ki jan w santi w. Pa met kò w apa, okontrè, rete pwòch frè w ak sè w yo (Pwo. 18:1). Patisipe nan aktivite k ap ede w andire, menmsi se ak dlo nan je ou oblije fè sa (Sòm 126:5, 6). Kontinye al nan reyinyon, kontinye preche epi li Labib. Ret konsantre sou gwo benediksyon Jewova pwomèt l ap ba ou alavni. Lè w wè jan Jewova ede w, w ap vin gen plis lafwa nan li. w21.11 23 § 11; 24 § 17.
Samdi 6 me
Menm jan an tou, Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri. — Mat. 18:14.
Nan ki sans disip Jezi yo tankou yon seri “tipiti”? Bon, ki moun monn nan konsidere kòm moun ki enpòtan? Se moun ki rich, moun ki gen gwo renome, ak moun ki gen pouvwa. Tandiske, pou yo menm, disip Jezi yo se yon seri “tipiti” ki pa gen enpòtans, ki pa gen valè (1 Kor. 1:26-29.) Men, se pa konsa Jewova wè yo. Ki sa k fè Jezi te pale konsènan “tipiti sa yo”? Disip li yo te poze l yon kesyon, yo te mande l: “Kiyès ki pi enpòtan nan Wayòm syèl la.” (Mat. 18:1). Anpil Juif nan epòk sa a te bay pozisyon ak ran sosyal anpil enpòtans. Gen yon biblis ki di: “Sa k te pi enpòtan nan lavi yo se te pou moun onore yo e pou anpil moun konnen yo.” Jezi te konnen disip li yo t ap gen pou yo fè anpil efò pou yo derasinen espri konpetisyon yo te gen nan kè yo ki te byen anrasinen nan kilti juif la. w21.06 20 § 2; 21 § 6, 8; 22 § 9.
Dimanch 7 me
Luil ak lansan bay kè kontan menm jan ak yon bon zanmi ki bay konsèy ki sensè. — Pwo. 27:9.
Apot Pòl se te yon ansyen ki te bay bèl egzanp. Pa egzanp, lè frè Tesalonik yo te bezwen konsèy, Pòl pa t ezite ba yo konsèy. Sepandan, nan lèt li te ekri frè sa yo, li te felisite yo toudabò pou travay yo te fè grasa lafwa yo, pou travay di yo te fè avèk amou, e pou andirans yo. Epitou, li te reflechi sou sitiyasyon yo, li te rekonèt lavi yo pa t fasil e yo t ap andire anba pèsekisyon (1 Tes. 1:3; 2 Tes. 1:4). Li te menm fè frè sa yo konnen yo se yon egzanp pou lòt kretyen yo (1 Tes. 1:8, 9). Se pa ti kontan yo dwe te kontan resevwa bèl felisitasyon Pòl te ba yo! Pa gen dout Pòl te renmen frè l yo anpil. Se sa k fè li te kapab bay frè Tesalonik yo konsèy k ap itil yo nan de lèt li te ekri yo a. — 1 Tes. 4:1, 3-5, 11; 2 Tes. 3:11, 12. w22.02 15 § 6.
Lendi 8 me
L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò. — Rev. 21:4.
Satan sèvi ak chèf fo relijyon yo pou fè konnen Jewova mechan e Li lakòz lèzòm ap soufri. Gen kèk nan yo ki menm di, lè yon timoun mouri, se Bondye ki pran l paske l bezwen plis zanj nan syèl la. Ala derespektan! Nou konnen Jewova se yon Papa ki gen lanmou. Lè nou gen yon maladi grav oswa lè nou gen yon moun pa nou ki mouri, nou pa janm akize Bondye nou an. Okontrè, nou gen konfyans yon jou l ap ranje tout bagay. Nou kapab fè tout moun ki dispoze koute konnen Jewova se yon Bondye ki gen lanmou. Konsa, Jewova ap jwenn yon bon repons pou l bay sila a k ap pwovoke l la (Pwo. 27:11). Jewova se yon Bondye ki gen konpasyon. Li tris anpil lè l wè n ap soufri, petèt akoz pèsekisyon, maladi oswa enpèfeksyon nou gen lakay nou (Sòm 22:23, 24). Jewova konprann soufrans nou. Li vle met fen nan soufrans nou, e l ap fè sa. — Konpare ak Egz. 3:7, 8; Eza. 63:9. w21.07 9-10 § 9-10.
Madi 9 me
Ou ba l glwa ak onè kòm kouwòn. — Sòm 8:5.
Talè konsa, moun ki obeyisan yo pral jwenn pi gwo onè a, anpalan de privilèj pou yo kontinye renmen Jewova e pou yo adore l nètale! Jezi pral rezoud tout pwoblèm Adan ak Èv te lakòz lè yo te deside kite fanmi Bondye a. Jewova pral resisite plizyè milyon moun e l ap ba yo posiblite pou yo viv pou toutan ak yon sante pafè sou tè a k ap vin yon paradi (Lik 23:42, 43). Lè moun ki fè pati fanmi Jewova k ap adore l sou tè a vin pafè, yo chak pral gen “glwa ak onè” David te ekri nan youn nan sòm yo. Si w fè pati “gwo foul moun” nan, ou gen yon bèl esperans (Rev. 7:9). Bondye renmen w, li vle w fè pati fanmi l. Kidonk, fè tout sa w kapab pou w fè kè l kontan. Se pou pwomès Bondye fè yo nan lespri w ak nan kè w chak jou. Montre w gen rekonesans pou privilèj ou genyen pou w adore Papa nou ki nan syèl la nou renmen anpil, epi bay esperans ou genyen pou w louwe l pou toutan an anpil valè! w21.08 7 § 18-19.
Mèkredi 10 me
N ap rekòlte si nou pa kite fatig pote n ale. — Gal. 6:9.
Pwofèt Jeremi te fè plizyè dizèn ane ap preche, li pa t jwenn moun ki te koute l e yo te opoze avè l. Li te vin tèlman dekouraje lefètke moun ki te opoze avè l yo ‘t ap joure l e yo t ap pase l nan rizib’, li te menm vle sispann fè travay Bondye te ba l fè a (Jer. 20:8, 9). Men, Jeremi pa t bay vag! Ki sa k te ede l konbat panse negatif li te genyen yo e ki te ede l kontinye gen kè kontan nan sèvis li? Li te konsantre l sou de bagay enpòtan. Premyèman, mesaj Bondye te voye Jeremi al bay moun yo t ap ba yo “yon avni ak yon espwa”. (Jer. 29:11.) Dezyèmman, Jewova te chwazi Jeremi pou al pale pou Li e pou l bay moun yo mesaj Li a (Jer. 15:16). Nou menm tou n ap preche yon mesaj ki bay espwa nan yon monn ki tèt anba, e n pote non Jewova antanke Temwen l. Lè n konsantre sou bagay sa yo, nou kapab gen kè kontan kit moun yo byen reyaji kit yo pa byen reyaji. Donk, nou pa bezwen dekouraje oswa bay vag si moun yo pran plis tan pou yo fè pwogrè pase sa n te panse. Nou bezwen gen pasyans pou n fè disip. — Jak 5:7, 8. w21.10 27 § 12-13.
Jedi 11 me
Annou voye tout pwa lou jete ansanm ak peche k ap jennen nou fasil la. — Ebre 12:1.
Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou dwe kontinye ranfòse lafwa nou nan li. Poukisa? Paske si n pa fè atansyon, lafwa nou kapab febli. Sonje sa, lafwa nou baze sou prèv nou genyen sou yon seri bagay reyèl moun pa wè. Li ka fasil pou n bliye bagay nou pa ka wè. Se sa k fè Pòl te fè konnen lè yon moun manke lafwa li fè “peche k ap jennen nou fasil la”. Donk, ki sa n ka fè pou n pa tonbe nan pyèj sa a (2 Tes. 1:3)? Toudabò, sipliye Jewova pou l ba w lespri sen, epi fè sa souvan. Poukisa? Paske lafwa se yon aspè nan fwi lespri a (Gal. 5:22, 23). Nou pap kapab vin gen plis lafwa nan Kreyatè nou an san èd lespri sen. Si nou kontinye mande Jewova lespri sen, l ap ban nou l (Lik 11:13). Epitou, nou ka menm priye Jewova pou n mande l: “Ban nou plis lafwa.” (Lik 17:5). Anplis de sa, ou bezwen etidye Pawòl Bondye a regilyèman. — Sòm 1:2, 3. w21.08 18-19 § 16-18.
Vandredi 12 me
Cheve blan se yon bèl kouwòn. — Pwo. 16:31.
Frè ak sè ki granmoun yo gen anpil bagay yo kapab fè. Menm lè yo ka pa gen menm fòs yo te genyen an, tank ane ap pase, yo vin gen anpil eksperyans. Jewova ka kontinye itilize yo divès fason. Pa egzanp, Bib la pale de yon seri moun fidèl ki te kontinye travay pou Jewova menm lè yo te vin granmoun. Pa egzanp, Moyiz te gen anviwon 80 an lè l te kòmanse sèvi antanke pwofèt Jewova e antanke reprezantan l devan nasyon Izrayèl la. Jewova te kontinye itilize Dànyèl kòm pòtpawòl Li, menm lè pwofèt la te gen petèt plis pase 90 an. E li posib pou apot Jan te nan 90 an yo lè Jewova te pouse l ekri liv Revelasyon an. Simeyon se te “yon moun ki jis, ki te gen lakrentif pou Bondye”. Bib la pa pale anpil de li, men Jewova te konnen kiyès li ye, li te ba l privilèj pou l te wè Jezi lè Jezi te tibebe e pou l te bay yon pwofesi konsènan pitit la ak manman l. — Lik 2:22, 25-35. w21.09 3-4 § 5-7.
Samdi 13 me
O Jewova, mwen pa gen ògèy nan kè m [...], mwen pa kouri dèyè twò gwo bagay. — Sòm 131:1.
Paran yo dwe veye pou yo pa konpare yon timoun ak yon lòt, oswa pou yo pa mande yon timoun plis pase sa li kapab fè. Lè paran yo fè konparezon konsa e lè yo mande pitit yo yon bagay ki pa rezonab, sa kapab fè yo dekouraje (Efe. 6:4). Men sa yon sè ki rele Sachiko di: “Manman m te vle m fè 100 sou 100 nan egzamen, e m te twouve sa enposib. Byenke m gen plizyè ane depi m fini lekòl, pafwa, m konn mande tèt mwen si Jewova satisfè ak sa m fè, menm lè m fè tout sa m kapab.” Wa David te di li pa “kouri dèyè twò gwo bagay” oswa bagay ki twòp pou li. Lefètke li te gen imilite e li te rekonèt limit li, sa te “kalme” l e sa te fè l “rete byen trankil”. (Sòm 131:2) Ki sa paran yo ka aprann nan pawòl David yo? Paran yo kapab montre yo gen imilite e yo rekonèt limit yo, nonsèlman lè yo pa twò egzijan ak tèt yo, men tou, lè yo pa twò egzijan ak pitit yo. Lè paran yo ap ede pitit yo fikse yon seri objektif, yo kapab ede pitit yo santi yo gen valè si yo rekonèt gen bagay timoun nan kapab fè byen e gen bagay li pa kapab fè byen. w21.07 21-22 § 5-6.
Dimanch 14 me
Chak moun ap pote pwòp chay pa l. — Gal. 6:5.
Nou bezwen sonje, Jewova ban nou chak libète pou nou deside. Sa vle di, nou ka chwazi obeyi l oswa pa obeyi l. Gen timoun paran yo pa t ba yo bon egzanp, men, yo deside sèvi Jewova e yo ret fidèl avè l. Gen lòt menm paran yo te fè tout sa yo kapab pou ede yo viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la, epoutan, yo vire do bay laverite lè yo vin gran. Finalman, se nou chak ki dwe deside si n ap sèvi Jewova (Joz. 24:15). Donk, nou menm paran ki nan lapenn akoz pitit nou sispann sèvi Jewova, nou pa dwe panse se fòt nou. Pafwa, gen paran ki kite laverite e ki menm abandone fanmi yo (Sòm 27:10). Sa kapab rèd anpil pou timoun yo ki te wè paran yo kòm yon modèl. Jèn, si youn nan paran w yo eskominye, sa byen fè n mal pou ou! Ou mèt gen asirans Jewova byen konnen jan w ap soufri. Li renmen w e li kontan wè jan w fidèl. Sonje tou, ou pa responsab desizyon paran w pran. w21.09 27 § 5-7.
Lendi 15 me
Jewova disipline moun li renmen. — Ebre 12:6.
Nou ka konpare yon kretyen ki eskominye ak yon mouton ki malad, ki ka enfekte tout twoupo a. Piske kretyen sa a pèdi bon relasyon l te gen ak Jewova a, li sanble ak yon moun ki malad (Jak 5:14). Menm jan yon moun ki gen yon maladi ka kontamine lòt moun, se konsa tou, yon moun ki pa gen bon relasyon ak Bondye ka gen move enfliyans sou lòt moun. Se sa k fè, pafwa, li konn nesesè pou yo retire yon moun ki pa gen bon relasyon ak Jewova nan kongregasyon an. Disiplin sa a montre jan Jewova renmen moun ki fidèl ki fè pati twoupo l la. Sa ka touche kè moun ki peche a e sa ka pouse l repanti. Pandan l eskominye a, li ka kontinye asiste reyinyon yo, sa k ap pèmèt li resevwa enstriksyon ki nan Bib la pou lafwa l ka vin djanm ankò. Epitou, li ka kontinye resevwa piblikasyon yo pou l li e pou l etidye, e li ka gade pwogram tele JW yo. Lè ansyen yo wè chanjman l ap fè, detanzantan yo ka ba l konsèy pou ede l vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. Konsa, l ap ka reyentegre antanke Temwen Jewova. w21.10 10 § 9, 11.
Madi 16 me
Se pa tout moun k ap di m: “Seyè, Seyè”, k ap antre nan Wayòm syèl la. — Mat. 7:21.
Jodi a, nou suiv egzanp kongregasyon kretyen premye syèk la nan fason yo te konn adore Bondye. Pa egzanp, nou imite fason apot yo te konn òganize aktivite yo nan premye syèk la. Nou gen siveyan sikonskripsyon, ansyen ak sèvitè ministeryèl menm jan ak yo (Flp. 1:1; Tit 1:5). Epitou, nou suiv egzanp kretyen premye syèk yo nan fason nou konsidere relasyon seksyèl ak maryaj, fason nou respekte san ki sakre, e nou pwoteje kongregasyon an kont moun ki fè peche grav e ki pa repanti (Tra. 15:28, 29; 1 Kor. 5:11-13; 6:9, 10; Ebre 13:4) Labib te gentan fè nou konnen aklè se “yon sèl lafwa” Bondye aksepte (Efe. 4:4-6). Se yon gwo onè pou n fè pati pèp Jewova a, pou nou konnen laverite sou Jewova ak objektif li yo! Ann kontinye gen konviksyon nou nan laverite. w21.10 22-23 § 15-17.
Mèkredi 17 me
Pran pozisyon nou, ret kanpe la, epi gade jan Jewova ap delivre nou. — 2 Kwo. 20:17.
Wa Jozafa te vin nan gwo pwoblèm. Gen yon gwo lame ki te gen desandan moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun nan zòn ki gen mòn nan Seyi yo ki te menase li menm ak fanmi l ak pèp li a (2 Kwo. 20:1, 2). Ki sa Jozafa te fè? Li te mande Jewova pou l ba l èd ak fòs. Priyè Jozafa te fè avèk imilite, jan nou wè sa nan 2 Kwonik 20:5-12, montre jis nan ki pwen li te met konfyans li nan Papa l ki nan syèl la ki gen lanmou Jewova te sèvi ak yon Levit ki te rele Jayazyèl pou l te pale ak Jozafa pou l te di l pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Jozafa te met tout konfyans li nan Bondye l la, e li te fè sa Jewova te mande l fè yo. Lè li menm ak pèp li a te soti pou y al fè fas ak ènmi an, se pa t sòlda ki te pi fò yo li te met devan, men, se te yon seri chantè ki pa t gen zam nan men yo. Jewova te kenbe pwomès li te fè Jozafa a, Li te pot laviktwa sou lame ènmi an. — 2 Kwo. 20:18-23. w21.11 15-16 § 6-7.
Jedi 18 me
Se paske Jewova gen lanmou ki fidèl pou nou ki fè nou pa fin depafini nèt. Paske, mizèrikòd li pa janm fini. — Lam. 3:22.
Lè n ap fè fas ak eprèv, nou mèt gen asirans Jewova ap soutni nou, l ap ban nou èd nou bezwen pou n ret fidèl (2 Kor. 4:7-9). Nou ka gen asirans Jewova ap kontinye demontre lanmou fidèl pou nou, paske, jan youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te fè konnen, “je Jewova ap gade moun ki gen lakrentif pou li, moun ki konte sou lanmou fidèl li genyen an”. (Sòm 33:18-22.) Anvan n te vin ap sèvi Jewova, nou te benefisye lanmou li demontre pou lèzòm an jeneral. Men, lè nou vin ap adore l, nou benefisye lanmou fidèl li genyen an. Se lanmou sa a ki pouse Jewova pou l kenbe nou nan bra l pou l pwoteje nou. L ap toujou soutni n e l ap reyalize objektif li gen pou nou. Li vle byen pou nou (Sòm 46:1, 2, 7)! Kidonk, kèlkeswa eprèv nou ta jwenn, Jewova ap ban n fòs nou bezwen pou n ret fidèl. w21.11 7 § 17-18.
Vandredi 19 me
Se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l. — Kol. 3:13.
Pifò nan nou konn kèk sitiyasyon kote yon moun te ret fache ak yon kòlèg travay li, yon kamarad lekòl li, oswa yon moun nan fanmi l, menm pandan plizyè ane! Pa egzanp, dis frè Jozèf te gen bò kot papa yo te kenbe l sou kè. Yo te tèlman rayi l, yo te menm rive fè l mechanste (Jen. 37:2-8, 25-28). Men, Jozèf pa t janm rann yo mal pou mal. Lè Jozèf te vin gen pouvwa e l te ka fè yo peye pou sa yo te fè a, li te fè yo mizèrikòd. Li pa t kenbe yo sou kè. Okontrè, li te fè sa Levitik 19:18 te vin di annapre a (Jen. 50:19-21). Lefètke Jozèf te padone frè l yo e li pa t kenbe yo sou kè oswa li pa t tire revanj, li kite yon egzanp pou tout kretyen ki vle fè Bondye plezi. Jezi te mande pou n padone moun ki peche kont nou (Mat. 6:9, 12). Nan menm sans lan, men konsèy apot Pòl te bay kretyen parèy li yo: “Pa vanje tèt nou, byenneme.” — Wom. 12:19. w21.12 11 § 13-14.
Samdi 20 me
Li bay moun ki gen lakrentif pou li yo sa yo vle, li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd e li sove yo. — Sòm 145:19.
Jou ki te 14 Nizan ane 33 epòk nou an, Jezi t al nan jaden Jetsemane byen ta nan aswè. Lè l te rive la, li te vide kè l bay Jewova (Lik 22:39-44) Nan moman difisil sa a, “se avèk gwo rèl ak dlo nan je” Jezi “te fè siplikasyon”. (Ebre 5:7.) Pou ki bagay Jezi te priye nan dènye nuit sa a anvan l te mouri? Li te priye Jewova pou l te ba l fòs pou l te rete fidèl e pou l te kapab fè volonte L. Jewova te tande jan Pitit Gason l lan te boulvèse nan priyè l te fè a, e li te voye yon zanj vin ba l fòs. Jezi te byen konnen gwo responsablite li te gen sou do l pou l defann non Papa l. Jewova te tande priyè Jezi te fè ak tout kè l. Poukisa? Se paske sa k te pi enpòtan pou Jezi se ret fidèl ak Papa l epi defann non L. Si se sa k pi enpòtan pou nou tou, Jewova ap reponn nou lè nou priye l pou n mande l èd. — Sòm 145:18. w22.01 18 § 15-17.
Dimanch 21 me
Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo [...]. Anseye yo. — Mat. 28:19, 20.
Anpil moun jodi a pa dakò avè n paske nou pa mele nan politik. Yo panse nou ta dwe vote lè gen eleksyon. Men, si nou ta chwazi yon chèf pami lèzòm pou dirije nou, nou t ap montre nou pa aksepte Jewova kòm Chèf nou (1 Sam. 8:4-7). Gen moun ki panse nou ta dwe konstwi lekòl ak lopital, epi fè lòt aktivite pou ede moun. Yo pa aksepte mesaj nou an paske nou konsantre sou travay predikasyon an olye nou eseye rezoud pwoblèm ki gen nan monn nan jodi a. Ki sa nou kapab fè pou n pa bite (Mat. 7:21-23)? Sa k dwe pi enpòtan pou nou se fè travay Jezi te ban n lòd pou nou fè a. Nou pa ta dwe janm ap chèche rezoud pwoblèm politik ak lòt pwoblèm ki gen nan monn sa a. Nou renmen moun e sa touche nou lè yo gen pwoblèm. Men, nou konnen pi bon fason pou n ede pwochen nou se lè n anseye yo konsènan Wayòm Bondye a ak lè n ede yo vin zanmi Jewova. w21.05 7 § 19-20.
Lendi 22 me
Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. — 2 Tim. 3:1.
Menm lè anpil nan dirijan ki nan nasyon yo jodi a fè konnen se Bondye y ap sèvi, yo pa vle kite pouvwa ak otorite yo genyen an. Donk, menm jan dirijan yo nan epòk Jezi a te opoze avè l, se konsa tou, dirijan yo jodi a opoze ak Sila a Jewova chwazi a lè yo atake disip fidèl li yo (Tra. 4:25-28). Ki sa Jewova fè lè l wè nasyon yo pa byen reyaji? Men repons Sòm 2:10-12 bay: “Kounye a, nou menm wa, montre nou gen bon konprann. Aksepte yo korije nou, nou menm jij ki sou tè a. Se pou nou sèvi Jewova avèk krent, se pou nou gen kè kontan toutpandan nou gen lakrentif pou li. Onore pitit gason an! Si nou pa fè sa, Bondye ap fache, e n ap peri. Paske, li ka vin an kòlè byen vit. Byennere moun ki pran refij nan li.” Piske Jewova bon, li bay opozan sa yo tan pou yo pran bon desizyon an. Yo ka toujou chanje lide epi aksepte Wayòm Jewova a. Men, pa ret anpil tan (Eza. 61:2). Li vin pi ijan toujou pou moun yo konn laverite e pou yo chwazi sèvi Jewova. w21.09 15-16 § 8-9.
Madi 23 me
Si nou gen manje ak rad, n ap kontante nou ak bagay sa yo. — 1 Tim. 6:8.
Pòl te vle di nou bezwen kontante nou ak kèlkeswa sa nou genyen (Flp. 4:12). Bagay ki gen plis valè nou genyen se relasyon nou gen ak Bondye nou an, se pa okenn bagay materyèl (Aba. 3:17, 18). Ann wè ki sa Moyiz te di Izrayelit yo apre yo te fin pase 40 an nan dezè a: “Jewova, Bondye nou an, beni nou nan tout sa n ap fè. Pandan 40 an sa yo, Jewova, Bondye nou an, te avèk nou e nou pa t janm manke anyen.” (Det. 2:7). Pandan 40 an sa yo, Jewova te bay Izrayelit yo lamàn pou yo manje. Rad yo te genyen depi lè yo te kite peyi Ejip pa t janm fini (Det. 8:3, 4). Jewova ap kontan si nou aprann kontante nou ak sa nou genyen. Li vle nou aprann apresye sa l ban nou ki pi senp lan, li vle nou wè yo tankou yon benediksyon e pou n di l mèsi pou sa. w22.01 5 § 10-11.
Mèkredi 24 me
Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. — Pwo. 3:5.
Nou menm mari, nou gen responsablite pou n pran swen fanmi nou, se sa k fè nou travay di pou n pwoteje yo e pou n pran swen yo. Lè w ap fè fas ak pwoblèm, ou ka santi w kapab rezoud yo poukont ou. Men, veye pou w pa konte sou pwòp fòs ou. Okontrè, lè w ap priye poukont ou, mande Jewova pou l ede w, apre sa, priye ansanm ak madanm ou ak tout kè w. Chèche direksyon Jewova lè w etidye Bib la ak piblikasyon òganizasyon Bondye a pibliye yo, epi aplike konsèy ou jwenn yo. Gen moun ki ka pa dakò ak desizyon w pran ki baze sou Bib la. Yo ka di lajan ak tout sa lajan ka achte se pi bon fason pou w pwoteje fanmi w. Men, sonje egzanp wa Jozafa (2 Kwo. 20:1-30). Li te met konfyans li nan Jewova e li te montre sa nan aksyon l. Jewova pa t abandone mesye sa a ki te fidèl, e li pap abandone w. — Sòm 37:28; Ebre 13:5. w21.11 15 § 6; 16 § 8.
Jedi 25 me
Bondye [...] pa janm fè enjistis. — Det. 32:4.
Bondye fè nou pòtre ak li, se sa k fè nou vrèman ta renmen wè moun aji ak lòt moun yon fason ki jis (Jen. 1:26). Men, piske nou enpafè, nou kapab fè move jijman, menm lè n panse nou gen tout enfòmasyon yo. Pa egzanp, sonje jan Jonas te fache lè Jewova te deside fè moun Niniv yo mizèrikòd (Jon. 3:10–4:1). Epoutan, gade sa k te rive. Te gen plis pase 120 000 moun Niniv ki te repanti e ki pa t pèdi lavi yo! Alafen, se Jonas ki te bezwen korije fason l panse, se pa t Jewova. Jewova pa oblije bay lèzòm esplikasyon pou desizyon l pran. Se vre, Jewova te kite sèvitè l nan tan lontan yo bay opinyon yo sou desizyon l te pran oswa sou desizyon l t ap gen pou l pran (Jen. 18:25; Jon. 4:2, 3). E pafwa, li te esplike desizyon l pran (Jon. 4:10, 11). Sepandan, Jewova pa bezwen nou dakò avè l anvan l aji oswa apre l fin aji. — Eza. 40:13, 14; 55:9. w22.02 3-4 § 5-6.
Vandredi 26 me
Moun ki pi enpòtan pami nou an dwe vin tankou moun ki gen mwens enpòtans lan, e moun k ap dirije a dwe vin tankou moun k ap sèvi a. — Lik 22:26.
Nou aji tankou “moun ki gen mwens enpòtans lan” lè nou “konsidere lòt moun yo siperyè nou”. (Flp. 2:3.) Plis nou fè efò pou nou aji konsa, l ap vin pi fasil pou n pa fè lòt moun bite. Tout frè n ak sè n yo siperyè nou yon fason oswa yon lòt. Li pa difisil pou n wè sa lè nou konsantre sou bèl kalite yo genyen. Nou dwe byen reflechi sou konsèy apot Pòl te bay kretyen nan vil Korent yo. Men sa l te di: “Ki sa k fè w pa menm ak yon lòt moun? Wi, ki sa w genyen se pa resevwa w te resevwa l? Anfèt, si sa w genyen an se resevwa w te resevwa l, poukisa w ap vante tèt ou kòmsi se pa resevwa w te resevwa l?” (1 Kor. 4:7). Nou dwe veye pou n pa chèche atire atansyon sou tèt nou oswa pou n pa panse nou siperyè lòt moun. Si yon frè konn bay bèl diskou, oswa yon sè gen kapasite pou l kòmanse etid biblik ak moun byen fasil, frè a oswa sè a bezwen sonje tout glwa a se pou Jewova. w21.06 22 § 9-10.
Samdi 27 me
Simen semans ou [...], e pinga w bay men w repo. — Ekl. 11:6.
Anpil Temwen twouve l vin pi difisil pou yo rive pale ak moun yo lakay yo. Gen kèk pwoklamatè k ap viv nan zòn ki gen anpil apatman ki gen gwo sistèm sekirite oswa nan zòn ki gen kominote ki gen gwo baryè. Konn gen yon yon sekirite ki pa kite pèsonn antre san pèmisyon yon moun ki abite anndan an. Gen lòt pwoklamatè ki jwenn kèk moun lakay yo oswa k ap preche nan zòn izole kote ki pa gen anpil moun. Pwoklamatè yo konn mache anpil jis pou yo ka jwenn yon moun nan yon kay, e lè yo rive, yo gendwa pa menm jwenn moun nan. Si nou jwenn pwoblèm sa yo, nou pa dwe dekouraje. Eseye preche nan lòt lè. N ap jwenn plis moun si nou preche nan lè li pi fasil pou n jwenn moun yo lakay yo. Dayè, rive yon lè, y ap antre lakay yo kanmenm. Anpil frè ak sè twouve l bon lè yo preche nan aprèmidi oswa nan aswè, paske se lè sa a yo jwenn plis moun. Anplis de sa, moun yo ka pi rilaks e yo ka pi dispoze pale nan lè sa yo. w21.05 15 § 5, 7.
Dimanch 28 me
Se pou granmesi yo kontinye ap adore m, paske doktrin y ap anseye yo se kòmandman lèzòm yo ye. — Mak 7:7.
Èske n wè menm pwoblèm nan jodi a? Wi. Gen anpil moun ki pa kontan lefètke Temwen Jewova yo pa patisipe nan yon seri fèt ki baze sou tradisyon ki pa ann amoni ak Bib la, tankou anivèsè nesans ak fèt Nwèl. Gen lòt menm ki fache lefètke Temwen Jewova yo pa patisipe nan fèt nasyonal oswa yo pa suiv yon seri koutim antèman, alòske koutim sa yo pa ann amoni ak Pawòl Bondye a. Moun ki pa dakò avè n pou rezon sa yo gendwa kwè ak tout kè yo Bondye aksepte fason y ap adore l la. Men, yo pa ka fè Bondye plezi si yo chwazi suiv tradisyon ki gen nan monn nan olye yo chwazi ansèyman klè ki nan Bib la (Mak 7:8, 9). Ki sa nou kapab fè pou n pa bite? Nou bezwen aprann renmen lwa Jewova yo ak prensip li yo anpil (Sòm 119:97, 113, 163-165). Si nou renmen Jewova, nou pap suiv okenn tradisyon ki pa fè l plezi. Nou pap kite anyen anpeche nou renmen Jewova. w21.05 6 § 15-16.
Lendi 29 me
Rete nan bonsans ou nan tout bagay, andire anba difikilte, travay antanke moun k ap evanjelize. — 2 Tim. 4:5.
Ki jan nou ka aplike konsèy apot Pòl la? Nou bezwen kontinye fè efò pou lafwa n rete djanm. N ap rive fè sa, lè nou etidye regilyèman, lè nou toujou priye ak lè nou ret okipe nan travay Jewova ban nou fè a (2 Tim. 4:4). Si n gen lafwa, nou pap panike lè n tande move enfòmasyon y ap gaye sou Temwen Jewova yo (Eza. 28:16). Lanmou nou gen pou Jewova, pou Pawòl li a ak pou frè n ak sè n yo ap ede nou pou nou pa janm kite moun ki vire do bay laverite fè n bite. Nan premye syèk la, te gen anpil moun ki te bite e ki pa t aksepte mesaj Jezi t ap preche a. Sepandan, gen anpil lòt ki te aksepte l. Pami moun sa yo, te gen omwen youn nan moun ki te fè pati Sanedren juif la, e te menm gen “anpil prèt”. (Tra. 6:7; Mat. 27:57-60; Mak 15:43.) Menm jan an tou jodi a, gen plizyè milyon moun ki pa kite anyen fè yo bite. Sa k fè sa? Paske yo konnen verite ki nan Ekriti yo e yo renmen verite sa yo. Men sa Pawòl Bondye a di: “Moun ki renmen lwa w yo se yo menm k ap viv nan lapè. Pa gen anyen ki ka fè yo bite.” — Sòm 119:165. w21.05 13 § 20-21.
Madi 30 me
Pisans mwen ap vin pafè pou ou lè w fèb. — 2 Kor. 12:9.
Apot Pòl te rann li kont se pa t ak pwòp fòs pa l li te rive fè tout sa l te fè nan sèvis Jewova a, men, se grasa fòs Bondye te ba li. Jewova te sèvi ak lespri sen l pou l bay Pòl fòs pou l akonpli sèvis li nèt, malgre yo te pèsekite Pòl, yo te mete l nan prizon e li te gen lòt pwoblèm. Timote, yon konpayon sèvis Pòl te genyen ki te pi jèn pase l, te bezwen konte sou pisans Bondye tou pou l rive fè travay predikasyon an. Timote te fè yon seri vwayaj byen long ak Pòl kòm misyonè. Anplis de sa, Pòl te konn voye l al vizite kongregasyon yo tou pou l te ka ankouraje yo (1 Kor. 4:17). Timote te ka santi li pa kalifye. Petèt se pou rezon sa a Pòl te di l: “Pa janm kite pèsonn meprize w paske w jèn.” (1 Tim. 4:12). Epitou, pandan tan sa a, Timote te gen pwòp pwoblèm pa l ki te tankou yon pikan nan chè l. Li te konn “malad souvan”. (1 Tim. 5:23.) Men, Timote te konnen lespri sen Jewova ki gen anpil pisans t ap ba l fòs li bezwen pou l preche bon nouvèl la e pou l sèvi frè l yo. — 2 Tim. 1:7. w21.05 21 § 6-7.
Mèkredi 31 me
Pran swen mouton w yo. — Pwo. 27:23.
Pa gen dout, prensip nou jwenn nan Jak 1:19 la se pou moun k ap bay konsèy. Men sa Jak te ekri: “Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè.” Yon ansyen ka panse li byen konprann yon sitiyasyon, men, èske se vre? Pwovèb 18:13 fè nou sonje: “Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt, e se yon imilyasyon pou li.” Li pi bon pou ansyen an mande moun nan esplike l sitiyasyon l. Donk, yon ansyen dwe koute anvan l pale. Ansyen an ka mande: “Ki jan w ye? Ki jan m ka ede w?” Si ansyen yo pran tan pou yo chèche konprann sitiyasyon frè ak sè yo, l ap pi fasil pou yo ede yo e pou yo ankouraje yo. Pou n bay konsèy k ap itil, nou bezwen fè plis pase annik li kèk vèsè ak moun nan oswa annik di l kèk bagay pou l fè. Frè n ak sè n yo bezwen santi nou gen sousi pou yo, nou konprann yo e nou vle ede yo. w22.02 17 § 14-15.