Jen
Jedi 1ye jen
Gen yon malerèz ki vèv ki vini, li mete de ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen. — Mak 12:42.
Lavi a pa fasil pou li ditou. Petèt l ap lite pou l jwenn sa l bezwen pou l viv. Epoutan, l al bò kot youn nan kès yo e li annik lage de ti pyès monnen, petèt ki pa fè gwo bri pandan l lage yo nan kès la. Jezi konnen sa dam nan met nan kès la: de ti pyès monnen, monnen ki te pi piti yo te konn itilize nan epòk la. Sa dam nan mete a pa t menm ka achte yon tikit, youn nan zwazo moun te konn manje ki te pi bon mache a. Sa vèv la fè a touche Jezi anpil. Se sa k fè li rele disip li yo pou l montre yo vèv la, e li di yo: “Byenke vèv sa a pòv, li mete plis pase tout moun.” Apre sa li di: “Yo menm [sitou moun ki rich yo], sa yo mete a pa deranje yo, men dam sa a ki nan nesesite a mete tout sa l te posede, tout sa l te gen pou l viv.” (Mak 12:43, 44). Lè vèv sa a ki te fidèl te bay tout ti kòb li te genyen jou sa a, li te met konfyans li nan Jewova pou pran swen l. — Sòm 26:3. w21.04 6 § 17-18.
Vandredi 2 jen
Gade! nou gaye ansèyman nou an nan tout Jerizalèm. — Tra. 5:28.
Jezi te kontinye ret pozitif pandan tout sèvis li sou tè a, e li vle pou moun k ap suiv li yo kontinye ret pozitif tou nan travay predikasyon an (Jan 4:35, 36). Pandan Jezi te ansanm ak disip li yo, yo te chofe nan travay predikasyon an (Lik 10:1, 5-11, 17). Men, lè yo te arete Jezi e yo te touye l, pandan yon ti tan, disip yo te vin pa anvi preche (Jan 16:32). Apre Jezi fin resisite, li te ankouraje yo pou yo konsantre sou travay predikasyon an. E apre l fin monte nan syèl, yo te tèlman chofe nan travay predikasyon an, ènmi yo te plenyen, yo te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Jezi te gide kretyen nan premye syèk yo lè yo t ap preche, e Jewova te beni yo. Se sa k fè anpil moun te vin aksepte mesaj yo t ap preche a. Pa egzanp, nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, te gen anviwon 3 000 moun ki te batize (Tra. 2:41). Kantite disip yo te kontinye ogmante anpil (Tra. 6:7). Sepandan, Jezi te fè konnen gen plis moun toujou ki t ap gen pou aksepte bon nouvèl la nan dènye jou yo. — Jan 14:12; Tra. 1:8. w21.05 14 § 1-2.
Samdi 3 jen
Byennere moun ki pa gen okenn rezon pou l gen dout sou mwen. — Mat. 11:6.
Èske w sonje lè w te fèk rann ou kont ou jwenn laverite? Sa w t ap aprann nan Bib la te parèt tèlman klè, ou te santi tout moun t ap kontan aksepte verite ou vin aprann yo. Ou te gen konviksyon mesaj ki nan Bib la t ap fè yo gen kè kontan nan lavi yo depi kounye a, e sa t ap ba yo yon bèl espwa pou lavni (Sòm 119:105). Se sa k fè ou te chofe pou w pataje verite ou aprann yo ak tout zanmi w e ak tout fanmi w. Men, ki sa k te pase? Ou te sezi wè anpil nan yo pa t aksepte sa w t ap di yo a. Nou pa ta dwe sezi lè lòt moun pa aksepte mesaj n ap preche a. Nan epòk Jezi a, pifò moun pa t koute l, menm lè l te fè mirak, alòske sa te montre li te gen favè Bondye. Pa egzanp, Jezi te resisite Laza, yon mirak moun ki te opoze avè l yo pa t ka nye. Aktout sa, chèf pami Juif yo pa t aksepte Jezi se Mesi a. Yo te menm vle touye ni Jezi, ni Laza! — Jan 11:47, 48, 53; 12:9-11. w21.05 2 § 1-2.
Dimanch 4 jen
Pa abandone reyinyon nou [...], men annou youn ankouraje lòt. — Ebre 10:25.
Fè tout sa w kapab pou w asiste reyinyon yo regilyèman. Pwogram nan ap ankouraje w, e w kapab vin konn frè w ak sè w yo. Chèche fè zanmi ak moun nan kongregasyon an ou ka aprann nan men yo, menm moun ki pa menm laj avè w oswa ki pa t leve menm jan avè w. Labib fè nou sonje se “moun ki granmoun” ki gen sajès (Jòb 12:12). Moun ki pi gran yo ka aprann anpil bagay tou nan men moun ki pi jèn ki fidèl yo. David te pi jèn lontan pase Jonatan, men, sa pa t anpeche yo vin bon zanmi (1 Sam. 18:1). David ak Jonatan te ede youn lòt pou yo sèvi Jewova, malgre yo te jwenn gwo difikilte (1 Sam. 23:16-18). Men sa Irina, yon sè k ap sèvi Jewova poukont li nan fanmi l, di: “Frè n ak sè n yo ka vrèman vin tankou paran nou oswa tankou pwòp pitit manman n ak papa n.” Apre sa l di: “Jewova ka sèvi ak yo pou yo vin fanmi nou bezwen an.” Zanmi w yo ta renmen ankouraje w epi ede w, men, yo bezwen w fè yo konnen ki jan yo ka fè sa. w21.06 10-11 § 9-11.
Lendi 5 jen
Se konsa Papa m ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou. — Mat. 18:35.
Jezi te bay yon egzanp konsènan yon wa ak yon esklav li. Wa a te anile yon gwo dèt esklav la pa t ap janm ka peye. Annapre, menm esklav sa a te refize anile yon ti dèt toupiti yon esklav parèy li te gen pou li. Alafen, wa a te fè met esklav ki san pitye a nan prizon. Fason esklav la te aji a te gen move efè nonsèlman sou li, men sou lòt moun tou. Premyèman, li te montre l san pitye lè l te “fè met esklav parèy li a nan prizon pou jiskaske l peye l sa l dwe l la”. Dezyèmman, sa l te fè a te boulvèse lòt esklav ki t ap gade yo. Lè “lòt esklav yo [te] wè sa k pase a, sa [te] fè yo mal anpil”. (Mat. 18:30, 31.) Menm jan an tou, sa nou fè gen efè sou lòt moun. Si yon moun aji mal ak nou e nou refize padone l, ki sa k ka rive? Premyèman, nou fè l ditò lè nou refize padone l, petèt nou meprize l e nou pa montre l nou renmen l. Dezyèmman, nou fè lòt moun nan kongregasyon an pa alèz lè yo remake nou pa anpè ak moun sa a. w21.06 22 § 11-12.
Madi 6 jen
[Li pral] detwi moun k ap detwi tè a. — Rev. 11:18.
Byenke lèzòm fèt pòtre ak Bondye, Satan renmen pouse yo fè yon seri bagay ki bay repiyans. Lè Jewova “te wè lèzòm t ap fè anpil mechanste” nan epòk Noye a, li “te regrèt li te fè lèzòm met sou tè a, e li te santi sa fè l mal nan kè l”. (Jen. 6:5, 6, nòt, 11.) Èske monn nan vin pi bon depi lè sa a? Okontrè, li vin pi mal! Dyab la dwe kontan anpil l l wè jan moun yo lage kò yo nan imoralite seksyèl sou tout fòm, sa gen ladan l imoralite seksyèl ak moun ki pa menm sèks e ak moun ki menm sèks (Efe. 4:18, 19)! Satan pi kontan toujou lè se moun k ap adore Jewova ki fè yon peche grav. Lefètke Satan ap dirije monn nan, nonsèlman “moun ap domine sou moun pou fè yo soufri”, men tou, yo pa pran swen tè a ak bèt yo jan Jewova te mande yo fè sa (Ekl. 8:9; Jen. 1:28). Ki rezilta sa bay? Gen kèk espesyalis ki fè konnen akoz fason lèzòm aji gen yon milyon espès ki ka disparèt nan kèk ane ankò. w21.07 12 § 13-14.
Mèkredi 7 jen
[Jewova] ap padone [nou] nèt. — Eza. 55:7.
Gen kèk sèvitè Bondye ki ka pa sispann santi yo koupab akoz move bagay yo te fè. Kè yo k ap kondane yo fè yo kwè Jewova pap janm padone yo, kèlkeswa jan yo ta montre yo repanti. Si se konsa w santi w, yon bagay k ap ede w se lè w konprann Bondye vrèman vle demontre lanmou fidèl pou sèvitè l yo. Sa ap ede w sèvi Jewova ak yon konsyans ki klè. Sa posib paske “san Jezi, Pitit li a, pirifye nou anba tout peche”. (1 Jan 1:7.) Lè w dekouraje akoz enpèfeksyon ou gen lakay ou, sonje Jewova vrèman dispoze padone moun ki repanti. Remake rapò David montre ki genyen ant lanmou fidèl ak padon. Men sa l te ekri: “Menm jan nou pa ka mezire distans ki gen ant syèl la ak tè a, se konsa tou nou pa ka mezire nan ki pwen Bondye gen yon lanmou ki fidèl pou moun ki gen lakrentif pou li yo. Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a, se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou.” — Sòm 103:11, 12. w21.11 5-6 § 12-13.
Jedi 8 jen
Pitit li yo kanpe e yo fè lwanj pou li, mari l kanpe e li fè lwanj pou li tou. — Pwo. 31:28.
Yon mari ki kretyen dwe onore madanm li (1 Pyè 3:7). Onore lòt moun gen ladan l ba yo yon atansyon espesyal epi respekte yo. Pa egzanp, yon mari ki onore madanm li bay madanm li anpil enpòtans. Li pa mande l plis pase sa l kapab fè, e se sèten li pap konpare l ak lòt fi. Ki jan yon madanm t ap santi l si mari l ta fè sa? Gen yon sè ki rele Rosa, mari l ki pa Temwen toujou ap konpare l ak lòt fi. Pawòl li konn di Rosa yo konn tèlman rèd sa konn fè l ap mande tèt li si gen moun ki renmen l. Men sa Rosa di: “Mwen toujou bezwen gen asirans Jewova ban m valè.” Yon lòt bò, yon mari ki kretyen onore madanm li. Li konnen lè l fè sa l ap gen bon relasyon ak madanm li e l ap gen bon relasyon ak Jewova. Yon mari ki onore madanm li fè lwanj pou li, li fè l konnen li renmen l e li felisite l. w21.07 22 § 7-8.
Vandredi 9 jen
M ap tann [...] avèk pasyans. — Miche 7:7.
Èske w t ap santi w kontrarye? si w t ap tann yon bagay ou vrèman bezwen epi li pa rive nan moman w t ap tann li an? Men, e si w ta vin aprann gen bonjan rezon ki fè bagay ou t ap tann nan pa rive nan lè ou t ap tann li an? Se sèten ou t ap montre w gen pasyans e w t ap dispoze tann. Pawòl ki nan Pwovèb 13:11 lan montre nou bezwen gen pasyans, men sa l di: “Richès yon moun genyen byen rapid ap fini, men, richès yon moun ki sanble sa l genyen tikras pa tikras ap vin plis.” Èske w wè prensip ki nan vèsè sa a? Yon moun ki gen sajès pran san l lè l ap fè yon bagay, e li fè sa avèk pasyans. Pwovèb 4:18 fè nou konnen “chemen moun ki dwat yo tankou klète douvanjou ki kontinye ap vin pi klere jiskaske l fin jou nèt”. Pawòl sa yo byen montre fason Jewova ede sèvitè l yo konprann objektif li: li fè sa tikras pa tikras. Sepandan, vèsè sa a ka ede nou konprann tou fason yon kretyen fè chanjman nan lavi l pou l vin pwòch ak Jewova. Sa mande tan pou yon moun vin pwòch ak Bondye. w21.08 8 § 1, 3-4.
Samdi 10 jen
Men mwen! Voye m! — Eza. 6:8.
Nou gen anpil travay pou nou fè tank fen sistèm sa a ap pwoche (Mat. 24:14; Lik 10:2; 1 Pyè 5:2). Nou tout ta renmen fè tout sa nou kapab nan sèvis Jewova a. Anpil moun ap chèche fè plis nan travay predikasyon an. Gen kèk moun ki ta renmen vin pyonye. Gen lòt ki ta renmen sèvi nan Betèl oswa patisipe nan konstwi lokal pou òganizasyon an. E gen anpil frè k ap chèche kalifye pou yo vin sèvitè ministeryèl oswa ansyen (1 Tim. 3:1, 8). Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l wè moun nan pèp li a ki ofri tèt yo san fòse (Sòm 110:3)! Èske w santi w dekouraje paske w poko reyalize yon objektif ou genyen nan sèvis Jewova a? Si se ka pa w, priye Jewova sou sa epi di l jan w santi w (Sòm 37:5-7). Anplis de sa, mande frè ki gen matirite kèk konsèy sou fason ou ka amelyore sèvis w ap bay Bondye a, e apre sa, eseye fè tout sa w kapab pou w suiv konsèy yo ba w. Si w fè sa, ou ka byen jwenn privilèj ou ta renmen genyen an oswa reyalize objektif ou genyen an. w21.08 20 § 1; 21 § 4.
Dimanch 11 jen
Jewova [...] pap lage moun ki fidèl ak li yo. — Sòm 37:28.
Àn ki te yon vèv e ki te yon pwofèt, te gen 84 an, men “li pa t janm pa nan tanp lan”. Lefètke l te toujou nan tanp lan, Jewova te beni l e li te pèmèt li wè Jezi lè Jezi te tibebe (Lik 2:36-38). Nan epòk pa nou an, gen anpil frè ak sè ki granmoun ki bay jèn yo bèl egzanp. N ap aprann anpil nan men yo si nou pran tan pou nou poze yo kesyon e pou nou koute yo lè y ap rakonte bèl eksperyans yo te fè ki te ba yo kè kontan nan òganizasyon Jewova a. Frè n ak sè n ki granmoun yo gen anpil valè pou Jewova e pou òganizasyon l lan. Yo rive wè jan Jewova beni òganizasyon l lan plizyè fason ak jan l beni yo pèsonèlman. Yo aprann anpil leson enpòtan nan erè yo te fè. Nou bezwen wè yo kòm yon “sous sajès”, e nou dwe aprann nan eksperyans yo genyen (Pwo. 18:4). Si w pran tan pou w aprann konnen yo, lafwa w ka vin pi solid. w21.09 3 § 4; 4 § 7-8; 5 § 11, 13.
Lendi 12 jen
Sa ki pa anpil la ap tounen 1 000 e sa ki toupiti a ap tounen yon gwo nasyon. — Eza. 60:22.
Jan Ezayi te fè konn sa, pèp Jewova a gen posiblite pou yo bwè “lèt nasyon yo”. (Eza. 60:5, 16.) Grasa divès talan ak kapasite gason ak fi ki gen anpil valè ki vin adore Jewova yo genyen, travay predikasyon an ap fèt nan 240 peyi e nou tradui piblikasyon nan plis pase 1 000 lang. Lefètke Jewova ap souke nasyon yo nan tan lafen an, sa fè moun yo oblije pran yon desizyon. Èske y ap soutni Wayòm Bondye a, oswa y ap met konfyans yo nan gouvènman yo ki nan monn nan? Se desizyon sa a tout moun ap gen pou yo pran. Byenke pèp Jewova a obeyi lwa gouvènman nan peyi kote y ap viv yo, yo pa mele nan zafè politik monn sa a menm (Wom. 13:1-7). Yo konnen se sèl Wayòm nan ki pral rezoud pwoblèm lèzòm genyen yo. Wayòm sa a pa fè pati monn nan. — Jan 18:36, 37. w21.09 17-18 § 13-14.
Madi 13 jen
Ouvri kè nou ba li. — Sòm 62:8.
Lè w gen yon moun ou renmen ki sispann sèvi Jewova, li enpòtan anpil pou w kontinye ranfòse lafwa w ak lafwa lòt moun nan fanmi w. Ki jan w ka fè sa? Chèche jwenn fòs nan men Jewova lè w kontinye gen yon bon pwogram pou w li Bib la, pou w medite sou li e pou w asiste reyinyon yo. Men sa Joanna ki gen papa l ak sè l ki kite laverite di: “Mwen santi m gen mwens enkyetid lè m li istwa kèk moun nan Bib la, tankou Abigayil, Estè, Jòb, Jozèf ak Jezi. Egzanp moun sa yo ankouraje m e yo ede m ret pozitif.” Fè Jewova konnen tout sa k ap trakase w. Lè w santi w tris, pa sispann priye Jewova. Sipliye Bondye nou an ki renmen nou pou l ede w wè sitiyasyon an menm jan avè l, pou l “fè w gen bon konprann [e pou l] fè w konnen ki chemen pou w pran”. (Sòm 32:6-8.) Anfèt, li ka difisil anpil pou w di Jewova jan w santi w toutbon. Men, Jewova byen konprann jan w ap soufri. Li vle w vide kè w ba li. — Egz. 34:6; Sòm 62:7. w21.09 28 § 9-10.
Mèkredi 14 jen
Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. Koute l. — Mat. 17:5.
Apre fèt Pak ane 32 epòk nou an, apot Pyè, Jak ak Jan te resevwa yon vizyon ki estrawòdinè. Pandan yo te sou yon mòn byen wo, petèt se te yon kote sou Mòn Èmon, aparans Jezi te chanje devan yo. “Figi l [te] vin klere tankou solèy la, e rad sou li [te] vin ap briye tankou limyè.” (Mat. 17:1-4). Apot yo te tande vwa Bondye ki te di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. Koute l.” Fason twa apot sa yo te viv te montre aklè yo te koute Jezi. Nou vle suiv egzanp yo. Nou gen rekonesans dèske Jewova sèvi ak Jezi Kris “chèf kongregasyon an” pou l ban nou bonjan direksyon (Efe. 5:23). Nou bezwen pran detèminasyon pou n “koute l”, menm jan apot Pyè, Jak ak Jan te fè sa. Lè nou fè sa e lè nou kontinye mache nan wout jennen ki mennen nan lavi a, n ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a e n ap gen kè kontan nètale alavni. w21.12 22 § 1; 27 § 19.
Jedi 15 jen
M ap disipline w nan degre w merite a. — Jer. 30:11.
Te gen yon kretyen nan vil Korent ki t ap fè imoralite ak madanm papa l. Apot Pòl te mande frè ki te nan vil Korent yo pou yo eskominye l. Konduit imoral mesye a te genyen an te gen move efè sou lòt moun nan kongregasyon an. Gen nan yo ki pa t menm wont pou bagay grav sa a mesye a te fè a (1 Kor. 5:1, 2, 13). Kèk tan annapre, Pòl te aprann mesye ki te peche a te repanti toutbon! Pòl te di ansyen yo pou yo “dispoze padone l [e pou yo] konsole l”. Men rezon Pòl te bay: “Dekwa pou gwo tristès pa fini avè l.” Pòl te santi l gen pitye pou mesye a ki te repanti. Apot la pa t vle pou gwo tristès tèlman fini ak mesye a, pou l ta santi l tèlman kraze akoz sa l te fè a, pou l pa ta chèche jwenn padon (2 Kor. 2:5-8, 11). Menm jan ak Jewova, ansyen yo renmen fè moun mizèrikòd. Yo montre yo fèm lè sa nesesè, men, yo demontre mizèrikòd lè sa posib, si gen bonjan rezon pou sa. Si yo pa ta aji konsa, yo pa t ap montre yo gen mizèrikòd, men, yo t ap montre yo sitirè. w21.10 11-12 § 12-15.
Vandredi 16 jen
Nou pa dwe tire revanj, ni nou pa dwe kenbe yon moun [...] sou kè. — Lev. 19:18.
Lè yo di yon moun yon bagay ki fè l mal oswa yo fè l yon bagay ki fè l mal, nou ka konpare sa ak lè yon moun blese. Gen blese ki pa grav. Men, gen blese ki grav anpil. Pa egzanp, pandan n ap fè zong nou, nou ka fè yon ti blese nan dwèt. Se vre sa ka fè n mal, men apre youn oswa de jou, petèt nou pap menm wè kote n te blese a. Menm jan an tou, gen bagay yo fè nou ki pa fin twò grav. Pa egzanp, yon zanmi gendwa di n oswa fè n yon bagay san reflechi epi sa fè nou mal. Men, nou rive padone l san pwoblèm. Sepandan, si se blese nou ta blese grav, yon doktè ka oblije koud kote ki blese a epi met yon bandaj sou li. Men, si nou ta plede tingting blese a, li ta ka vin anvlimen. Malerezman, yon moun ka aji menm jan an lè yon moun fè l yon bagay ki fè l mal anpil. Li ka toujou ap panse ak jan sa moun nan te fè l la fè l mal. Men, moun ki kenbe moun sou kè se tèt yo yo fè mal. Li pi bon lontan pou yo suiv konsèy ki nan tèks pou jounen an! w21.12 12 § 15.
Samdi 17 jen
Poukisa w ap jije frè w? — Wom. 14:10.
Ann sipoze yon ansyen ap enkyete l pou fason yon kwayan parèy li abiye oswa fason l fè cheve l. Ansyen an ta ka mande tèt li: ‘Èske Bib la di yon bagay sou sa ki fè m ta dwe al pale ak frè a oswa sè a?’ Piske ansyen an pa ta renmen di pawòl pa l, li kapab mande yon lòt ansyen oswa yon pwoklamatè ki gen matirite sa l panse. Li kapab gade konsèy Pòl te bay anrapò ak jan pou n abiye ak jan pou n fè cheve n (1 Tim. 2:9, 10). Pòl te atire atansyon sou kèk prensip tout moun ta dwe konnen. Li te fè konnen yon kretyen ta dwe abiye yon fason ki kòrèk, ki montre respè e avèk bonsans. Men, Pòl pa t bay yon seri règ sou sa yon moun ka mete ak sa l pa ka mete. Li te rekonèt frè ak sè yo ka chwazi met sa yo vle, depi chwa yo fè a pa depaman ak sa Bib la di. Se sa k fè, ansyen yo ta dwe chèche wè si chwa moun nan fè a montre respè ak bonsans. Li enpòtan pou n sonje de kretyen ka pa pran menm desizyon, epoutan, toule de desizyon yo bon. Nou pa ta dwe fòse frè n ak sè n yo fè sa nou panse ki bon an. — w22.02 16 § 9-10.
Dimanch 18 jen
Se pou n aji youn ak lòt yon fason ki montre nou gen lanmou ki fidèl ak mizèrikòd. — Zak. 7:9.
Nou gen bonjan rezon pou n demontre lanmou fidèl youn pou lòt. Ki rezon konsa? Remake ki jan yon seri pwovèb nan Bib la reponn kesyon sa a: “Pinga w janm sispann montre w gen lanmou e ou fidèl. [...] Konsa, w ap vin gen bon konprann e w ap jwenn favè nan men Bondye ak lèzòm.” “Lè yon moun gen yon lanmou ki fidèl, se tèt li l fè byen.” “Moun k ap chèche fè sa ki dwat e k ap chèche lanmou ki fidèl [...] ap jwenn lavi.” (Pwo. 3:3, 4; 11:17, nòt; 21:21). Pwovèb sa yo bay twa rezon ki fè nou dwe demontre lanmou fidèl. Premyèman, lè n demontre lanmou fidèl, nou vin gen anpil valè nan je Bondye. Dezyèmman, lè n demontre lanmou fidèl, sa bon pou nou. Pa egzanp, nou vin gen bon zanmi. Twazyèmman, lè n demontre lanmou fidèl, n ap jwenn benediksyon alavni, san wete lavi ki pap janm fini an. Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n obeyi rapèl Jewova fè a ki di: “Se pou n aji youn ak lòt yon fason ki montre nou gen lanmou ki fidèl ak mizèrikòd.” w21.11 8 § 1-2.
Lendi 19 jen
Ban nou plis lafwa. — Lik 17:5.
Si w te deja fè fas ak yon eprèv oswa w ap fè fas ak yon eprèv kounye a, e w rann ou kont lafwa w pa fin djanm, pa dekouraje. Konsidere sa kòm yon okazyon pou w fòtifye lafwa w. Priye Jewova ak tout kè w, sitou lè w gen yon gwo pwoblèm. Rekonèt Jewova ka sèvi ak zanmi w oswa fanmi w pou l ba w èd ou bezwen. Lè w kite Jewova ede w pou w andire eprèv ou jwenn kounye a, w ap vin gen plis konviksyon l ap ede w pou w andire nenpòt eprèv ou ka jwenn alavni. Jezi te ede disip li yo wè ki kote yo manke lafwa, men, li pa t janm gen dout yo t ap rive andire eprèv yo t ap gen pou yo jwenn alavni yo avèk èd Jewova (Jan 14:1; 16:33). Li te gen asirans t ap gen yon gwo foul moun ki t ap pase gwo tribilasyon an vivan paske lafwa yo solid (Rev. 7:9, 14). W ap pami moun sa yo si w pwofite tout okazyon w jwenn depi kounye a pou w vin gen lafwa e pou w ranfòse lafwa w! — Ebre 10:39. w21.11 25 § 18-19.
Madi 20 jen
Zanj Jewova a pwoteje moun ki gen lakrentif pou Bondye yo. — Sòm 34:7.
Nou pa atann pou Jewova fè mirak pou l pwoteje nou. Men, nou konnen Jewova ap bay tout moun ki met konfyans yo nan li lavi ki pap janm fini an, menmsi yo ta mouri. Talè konsa, n ap gen pou n montre jis nan ki pwen nou gen konfyans Jewova kapab pwoteje n. Lè Gòg ki soti nan peyi Magòg, sa vle di yon gwoup nasyon k ap met tèt yo ansanm, atake pèp Bondye a, lavi nou pral parèt an danje. N ap bezwen gen konviksyon Jewova kapab sove nou, e li pral fè sa. Pou nasyon yo, n ap sanble ak mouton ki pa ka defann tèt yo e ki pa gen pèsonn pou pwoteje yo (Eze. 38:10-12). Nou pap gen zam, e nou pap nan goumen. Nasyon yo pral wè yo ka atake nou byen fasil. Yo pap wè sa nou menm nou wè grasa lafwa nou: yon pakèt zanj ki kanpe toutotou pèp Bondye a, yo tou pare pou defann nou. Ki jan yo ta ka fè wè yo? Yo pa gen lafwa nan Bondye. Se pa ti sezi yo pral sezi lè lame nan syèl la vin defann nou! — Rev. 19:11, 14, 15. w22.01 6 § 12-13.
Mèkredi 21 jen
Renmen tout frè nou yo. — 1 Pyè 2:17.
Tout frè n ak sè n yo enpòtan pou Jewova, donk, yo dwe enpòtan pou nou tou. Nou ta dwe dispoze fè tout sa n kapab pou n pwoteje yo e pou n montre nou gen sousi pou yo. Si n aprann nou fè yon moun yon bagay ki blese santiman l oswa ki fè l mal, nou pa dwe annik vag kòmkwa pou n ta di li se yon moun ki renmen fache pou ti krik ti krak e li pa bezwen bay sa twòp enpòtans. Poukisa kèk moun ka santi yo blese santiman yo? Petèt akoz fason kèk frè ak sè te leve, yo panse yo pa vo anyen. Gen lòt moun ki gendwa fèk vin nan laverite e yo poko konn ki jan pou yo reyaji lè moun fè yon seri bagay ki deranje yo. Kèlkeswa rezon an, nou dwe fè sa n kapab pou n chèche viv anpè. Yon lòt bò, yon moun ki fache fasil pou sa lòt moun fè l bezwen rekonèt se yon defo sa ye e li bezwen fè efò pou l chanje. Li bezwen fè sa paske sa ap bon pou li, e paske sa ap ede l gen bon relasyon ak lòt moun. w21.06 21 § 7.
Jedi 22 jen
Jewova toupre tout moun ki rele l, li toupre tout moun ki rele l avèk senserite. — Sòm 145:18.
Jezi konprann jan w santi w. Lè enkyetid anvayi n, se pa ti kontan nou kontan jwenn yon zanmi ki konprann jan n santi n, sitou si zanmi sa a te viv menm sitiyasyon avè n. Se yon zanmi konsa Jezi ye. Li konnen sa sa vle di lè nou santi nou dekouraje e lè n bezwen yon moun pou ede n. Li konnen nou enpafè, e l ap asire l nou jwenn èd nou bezwen an “nan bon moman”. (Ebre 4:15, 16.) Menm jan Jezi te aksepte yon zanj ede l nan jaden Jetsemane, nou dwe dispoze aksepte èd Jewova ban nou, menmsi se nan yon piblikasyon nou ta jwenn èd sa a, oswa nan yon videyo, yon diskou, oubyen yon vizit yon ansyen oswa yon zanmi n ki gen matirite ban nou pou ankouraje n (Lik 22:39-44). Jewova ap ba w ‘lapè Bondye a’. Ki jan Jewova ap ban nou fòs? Lè nou priye, n ap jwenn “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”. — Flp. 4:6, 7. w22.01 18-19 § 17-19.
Vandredi 23 jen
Yo fè [...] konnen desizyon apot yo. — Tra. 16:4.
Jewova toujou fè sa ki dwat. Men, pwoblèm nou ta ka genyen se fè moun ki reprezante Jewova yo konfyans. Nou ta ka mande tèt nou si moun ki gen kèk otorite nan òganizasyon Jewova a vrèman aji ann amoni ak enstriksyon Jewova bay oswa si se afè pa yo y ap fè. Alaverite, nou pa ka di nou gen konfyans nan Jewova si nou pa gen konfyans nan moun ki reprezante l sou tè a, yon seri moun Jewova fè konfyans. Jodi a, Jewova ap dirije pati òganizasyon l lan ki sou tè a pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Menm jan ak kolèj santral nan premye syèk la, esklav sa a ap pran swen pèp Bondye a sou tout tè a e l ap bay ansyen nan kongregasyon yo direksyon. Ansyen yo, bò kote pa yo, aplike enstriksyon yo nan kongregasyon yo. Nou montre nou gen konfyans nan fason Jewova aji lè nou suiv enstriksyon òganizasyon an ak ansyen yo ban nou. w22.02 4 § 7-8.
Samdi 24 jen
Annou pa sispann fè sa ki byen. — Gal. 6:9.
Nou kontan e nou fyè dèske nou se Temwen Jewova! Nou kontan lè n kapab ede yon moun ki “nan bon dispozisyon pou [l] resevwa lavi ki pap janm fini an” pou l vin kwè (Tra. 13:48). Nou gen menm santiman ak Jezi ki te “kontan anpil e [ki te] vin ranpli ak lespri sen” lè disip yo te rakonte l bèl eksperyans yo te fè lè yo t ap preche (Lik 10:1, 17, 21). Men ankourajman apot Pòl te bay Timote: “Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay.” Apre sa li te di: “Lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w.” (1 Tim. 4:16). Donk, travay predikasyon an kapab sove lavi moun. Nou toujou veye sou tèt nou paske nou se sitwayen Wayòm Bondye a. Nou toujou vle aji yon fason k ap fè Jewova jwenn louwanj e ki ann amoni ak bon nouvèl n ap preche a (Flp. 1:27). Nou montre nou ‘veye sou ansèyman n ap bay la’ lè nou byen prepare pou travay fè disip la e lè nou priye Jewova anvan n al preche lòt moun. w21.10 24 § 1-2.
Dimanch 25 jen
Abiye nou ak nouvo pèsonalite a. — Kol. 3:10.
“Nouvo pèsonalite a” se fason yon moun panse ak fason l aji lè l imite Jewova. Yon moun abiye ak nouvo pèsonalite a lè l demontre fwi lespri Bondy a, lè l kite lespri sen aji sou panse l, sou santiman l ak aksyon l. Pa egzanp, li renmen Jewova e li renmen pèp Li a (Mat. 22:36-39). Moun sa a kontinye gen kè kontan, menm lè l jwenn eprèv (Jak 1:2-4). Li renmen fè lapè (Mat. 5:9). Li montre l gen pasyans ak byenveyans nan fason l aji ak lòt moun (Kol. 3:13). Li renmen sa ki bon e li fè sa ki bon (Lik 6:35). Fason l aji montre li gen yon lafwa solid nan Papa l ki nan syèl la (Jak 2:18). Li ret kalm lè lòt moun ap pwovoke l e l kenbe metriz li lè l jwenn tantasyon (1 Kor. 9:25, 27; Tit 3:2). Pou n abiye ak nouvo pèsonalite a, nou bezwen chèche gen tout kalite ki nan Galat 5:22, 23 a ak nan lòt vèsè nan Bib la. w22.03 8-9 § 3-4.
Lendi 26 jen
Se pou nou imite m. — 1 Kor. 11:1.
Ansyen yo kapab imite Pòl nonsèlman lè yo preche kay an kay, men tou, lè yo pare pou yo bay temwayaj nan tout okazyon (Efe. 6:14, 15). Menm jan ak Pòl, ansyen yo kapab pwofite tan yo pase nan travay predikasyon an pou yo fòme lòt moun, san wete sèvitè ministeryèl yo (1 Pyè 5:1, 2). Men, ansyen yo pa ta dwe janm twò okipe nan travay y ap fè epi pou yo pa ta jwenn tan pou yo preche (Mat. 28:19, 20). Pafwa, yo ka oblije pa aksepte kèk lòt responsablite pou yo ka kenbe ekilib yo. Apre yo fin priye Jewova, yo ka rann yo kont yo pa ka fè yon travay yo mande yo fè paske sa ap fè yo neglije bagay ki pi enpòtan yo, tankou fè adorasyon an fanmi, patisipe plis nan travay predikasyon an oswa bay pitit yo fòmasyon pou yo preche. Yo mèt sèten Jewova konprann jan yo anvi kenbe ekilib yo nan tout bagay. w22.03 27 § 4, 7; 28 § 8.
Madi 27 jen
Pinga nou pè moun ki ka touye kò a, men ki pa ka touye nanm nan. — Mat. 10:28.
Èske w sonje jan w te santi w yon ti jan pè pou w vin Temwen Jewova? Petèt ou te santi ou pa t ap janm kapab preche kay an kay. Oswa, petèt ou te pè pou zanmi w oswa fanmi w pa t opoze avè w. Si se konsa w te santi w, ou kapab konprann etidyan w lan lè l ap fè fas ak menm santiman sa yo. Jezi te di gen kèk moun ki te ka santi yo pè. Sepandan, li te ankouraje disip li yo pou yo pa kite laperèz anpeche yo sèvi Jewova (Mat. 10:16, 17, 27). Fòme etidyan an tikras pa tikras pou l pataje sa l ap aprann yo ak lòt moun. Lè Jezi te voye disip li yo al preche, petèt yo te santi yo pè. Men, Jezi te ede yo lè l te di yo ki kote pou y al preche e ki sa pou yo di lè y ap preche (Mat. 10:5-7). Ki jan nou ka imite Jezi? Ede etidyan an wè ki kote l ka preche. Pa egzanp, mande l si l konn yon moun ki t ap kontan aprann yon verite ki nan Bib la. Apre sa, ede l prepare sa pou l di lè w montre l yon fason tou senp pou l fè lòt moun konnen verite sa a. w21.06 6 § 15-16.
Mèkredi 28 jen
M ap souke tout nasyon yo, e bagay ki gen anpil valè nan tout nasyon yo ap antre nan kay mwen an. — Aje 2:7.
Nan ane 2015, gen yon tranblemanntè ki te frape peyi Nepal. Men sa kèk moun ki te chape nan tranblemanntè a fè konnen: “Nan kèk minit sèlman, gen yon seri magazen ak bilding ki te la depi lontan ki te kòmanse tonbe youn apre lòt.” “Tout moun te panike [...]. Gen anpil moun ki te di tranblemanntè a te dire anviwon de minit. Pou mwen menm, sa te sanble yon etènite.” N ap viv yon lòt kalite sekous kounye a menm. Youn k ap fèt nan tout nasyon. Pwofèt Aje te ekri: “Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: ‘Yon lòt fwa ankò, nan yon tikras tan, m ap souke syèl la ak tè a.’” (Aje 2:6). Sekous Aje te anonse a, se pa yon tranblemanntè toutbon, kote se dega sèlman ki fèt. Okontrè, li fè bon bagay rive. Men sa Jewova di nou: “M ap souke tout nasyon yo, e bagay ki gen anpil valè nan tout nasyon yo ap antre nan kay mwen an. Epi, m ap plen kay sa a ak glwa.” w21.09 14 § 1-3.
Jedi 29 jen
Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo. — Lik 22:28.
Pou nou vin bon zanmi yon moun, nou bezwen pale avè l souvan e nou bezwen di l sa k nan kè nou. Pou nou vin zanmi Jewova, nou bezwen fè menm bagay la tou. Lè nou priye Jewova pou nou di l sa n santi, sa n panse ak sa ki enkyete nou, nou montre nou fè l konfyans e n konnen li renmen nou (Sòm 94:17-19; 1 Jan 5:14, 15). Frekante zanmi ki fidèl, yo se kado Jewova ban nou (Jak 1:17). Papa nou ki nan syèl la montre l enterese nan nou chak lefètke li ban nou frè ak sè nan kongregasyon an ki demontre “lanmou toutan”. (Pwo. 17:17.) Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Kolòs yo, li te site non kèk kretyen ki te ede l, li te di yo se “yon gwo rekonfò” pou li (Kol. 4:10, 11). Menm Kris Jezi te bezwen èd li te jwenn nan men zanmi l yo, kit se te zanj kit se te moun, e li te gen rekonesans pou sa (Lik 22:43). Lè w fè yon zanmi ki gen matirite konnen sa k ap trakase w, sa pa vle di ou manke lafwa, okontrè, sa ka pwoteje w. w21.04 24-25 § 14-16.
Vandredi 30 jen
[Lanmou] sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay. — 1 Kor. 13:7.
Si yon kwayan parèy ou aji yon fason ki deranje w anpil, fè tout sa w kapab pou w kontinye viv anpè avè l. Priye Jewova ak tout kè w. Mande l pou l beni moun ki ba w pwoblèm nan epi pou l ede w wè bèl kalite moun sa a genyen, yon seri kalite Jewova renmen wè lakay li (Lik 6:28). Si w pa ka bliye sa frè w la fè a, reflechi sou fason w kapab pale avè l sou sa. Li toujou bon pou w panse frè w la pa t ap janm fè espre pou l blese santiman w (Mat. 5:23, 24). Lè w ap pale avè l, montre l ou kwè li pa t fè sa nan move entansyon. Ki sa pou w fè si l pa vle fè lapè? “Kontinye sipòte” l. Kontinye pran pasyans ak frè w la (Kol. 3:13.) Sa k pi enpòtan an, pa ret fache avè l, paske sa ka gen move efè sou relasyon w ak Jewova. Pa janm kite anyen fè w bite. Konsa, w ap montre ou renmen Jewova plis pase tout lòt bagay. — Sòm 119:165. w21.06 23 § 15.