BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es23 p. 67-77
  • Jiyè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jiyè
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2023
  • Soutit
  • Samdi 1ye jiyè
  • Dimanch 2 jiyè
  • Lendi 3 jiyè
  • Madi 4 jiyè
  • Mèkredi 5 jiyè
  • Jedi 6 jiyè
  • Vandredi 7 jiyè
  • Samdi 8 jiyè
  • Dimanch 9 jiyè
  • Lendi 10 jiyè
  • Madi 11 jiyè
  • Mèkredi 12 jiyè
  • Jedi 13 jiyè
  • Vandredi 14 jiyè
  • Samdi 15 jiyè
  • Dimanch 16 jiyè
  • Lendi 17 jiyè
  • Madi 18 jiyè
  • Mèkredi 19 jiyè
  • Jedi 20 jiyè
  • Vandredi 21 jiyè
  • Samdi 22 jiyè
  • Dimanch 23 jiyè
  • Lendi 24 jiyè
  • Madi 25 jiyè
  • Mèkredi 26 jiyè
  • Jedi 27 jiyè
  • Vandredi 28 jiyè
  • Samdi 29 jiyè
  • Dimanch 30 jiyè
  • Lendi 31 jiyè
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2023
es23 p. 67-77

Jiyè

Samdi 1ye jiyè

Pi devan, moun [disiplin] fòme yo pral mennen yon vi dwat nan lapè. — Ebre 12:11.

Lè yo eskominye yon moun, sa fè pati dispozisyon Jewova pran. Disiplin Jewova bay la ki montre jan l renmen nou se pi bon fason pou l ede moun ki sispann sèvi l la, e sa bon pou tout lòt moun yo tou. An jeneral, moun ki kòmanse kritike desizyon yo te pran an konn pa bay detay sou sa moun ki eskominye a te fè. Nou pa gen tout enfòmasyon yo. Donk, li saj pou nou kwè ansyen ki te pran desizyon an te fè tout sa yo kapab pou yo aplike sa Bib la di e pou yo fè jijman “pou Jewova”. (2 Kwo. 19:6). Lè w soutni desizyon ansyen yo pran pou yo eskominye yon moun ou renmen, an reyalite, ou ka ede moun nan retounen vin jwenn Jewova. Men sa yon sè ki rele Elizabeth di: “Sa te vrèman difisil pou n te koupe tout kontak ak pitit gason nou an ki pa t timoun ankò. Men, lè l te retounen vin jwenn Jewova, li te rekonèt li te merite pou yo eskominye l. Rive yon lè, li te di li te aprann anpil bon leson”. w21.09 28-29 § 11-12.

Dimanch 2 jiyè

Li wè yon vèv, yon malerèz, ki t ap mete de ti pyès monnen nan yon kès, de ti pyès ki prèske pa vo anyen. — Lik 21:2.

Panse ak vèv la. Se sèten li ta renmen bay Jewova plis. Men, li te fè sa l kapab, li te bay Jewova sa l genyen ki pi bon an. E Jezi te konnen Papa l te bay ofrann vèv la anpil valè. Men yon leson enpòtan nou kapab aprann: Jewova kontan lè nou ba l sa n genyen ki pi bon an, sa vle di lè n sèvi l ak tout kè n e ak tout nanm nou (Mat. 22:37; Kol. 3:23). Jewova kontan lè l wè n fè tout sa n kapab! Prensip sa a valab pou kantite tan ak fòs nou depanse nan adorasyon n ap ba li a, sa gen ladan l travay preche ak anseye a ak reyinyon yo. Ki jan w ka aplike leson w aprann nan istwa vèv la? Eseye panse ak kèk moun ki t ap santi yo rejwenn fòs si w ta fè yo sonje jan Jewova kontan lè yo fè tout sa yo kapab nan sèvis li. Se kapab yon sè ki aje ki pa kapab fè tout sa l te konn fè nan travay predikasyon an akoz pwoblèm sante oswa akoz fòs li bese, e sa fè konsyans li ap repwoche l e li santi li pa itil. w21.04 6 § 17, 19-20.

Lendi 3 jiyè

Byennere moun ki kontinye andire eprèv, paske lè l vin yon moun yo apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a. — Jak 1:12.

Jewova konnen ki lè ki pi bon pou l detwi monn mechan sa a. Piske li gen pasyans, sa pèmèt yon gwo foul moun ki gen plizyè milyon moun k ap adore l e k ap fè louwanj pou li rasanble. Yo tout kontan lefètke Jewova kontinye andire pandan tout tan sa a, sa ki pèmèt yo fèt, yo aprann renmen l e yo vwe lavi yo ba li. Jewova pral kontan rekonpanse plizyè milyon moun ki andire jiska lafen yo. Lè sa a, tout moun pral kapab wè aklè li te pran bon desizyon an lefètke l te aksepte andire! Malgre tout tètchaje ak soufrans Satan lakòz, Jewova toujou ret “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Tim. 1:11.) Nou menm tou nou kapab kontinye gen kè kontan pandan n ap tann avèk pasyans pou Jewova fè non l vin sen, pou l defann dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren an, e pou l elimine tout mechanste ak tout pwoblèm nou genyen jodi a. Ann pran detèminasyon pou nou andire e pou n ka jwenn konsolasyon lefètke nou konnen Papa nou ki nan syèl la ap andire tou. w21.07 13 § 18-19.

Madi 4 jiyè

Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt? — Jan 1:46.

Anpil moun nan premye syèk la pa t met lafwa nan Jezi. Pou yo menm, se te jis pitit yon ti bòs chapant. E li te sot Nazarèt, yon vil moun sanble pa t bay anpil enpòtans. Menm Natanayèl, anvan li te vin yon disip Jezi, te di: “Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt?” Li te ka ap panse ak pwofesi ki nan Miche 5:2 a ki te fè konnen Mesi a t ap gen pou l fèt Betleyèm, se pa Nazarèt. Pwofèt Ezayi te anonse ènmi Jezi yo pa t ap enterese “nan detay ki montre nan ki fanmi [Mesi a] soti”. (Eza. 53:8.) Si moun sa yo te pran tan pou yo egzamine tout enfòmasyon yo, yo t ap aprann Jezi te fèt Betleyèm, e li te yon desandan wa David (Lik 2:4-7). Donk, kote Jezi te fèt la se egzakteman kote sa a yo te anonse nan pwofesi ki nan Miche 5:2 a. Bon, ki sa k te pwoblèm nan menm? Moun yo te jije twò vit. Yo pa t gen tout enfòmasyon yo. Se poutèt sa, yo pa t kwè nan Jezi. w21.05 2-3 § 4-6.

Mèkredi 5 jiyè

Si moun ki jis la ta frape m [...], si li ta korije m, se t ap kòmsi li vide luil sou tèt mwen — Sòm 141:5.

Bib la bay bèl egzanp konsènan moun ki te resevwa benediksyon paske yo te koute konsèy. Ann pran egzanp Jòb. Byenke li te gen lakrentif pou Bondye, li pa t pafè. Lè l te anba gwo presyon, li te di yon seri pawòl ki pa t kòrèk. Se sa k fè li te resevwa konsèy ki dirèk nan men Eliyou ak nan men Jewova. Ki jan Jòb te reyaji? Men sa l te di: “Mwen te pale san m pa t konprann [...], mwen retire sa m te di a e mwen chita nan pousyè ak nan sann pou m montre m repanti.” (Jòb 42:3-6, 12-17). Li te montre sa lè l te aksepte konsèy Eliyou te ba li, menm lè Eliyou te pi jèn pase l lontan (Jòb 32:6, 7). Menm jan an tou, lè n gen imilite, sa ap ede n aksepte konsèy nou resevwa, menm lè nou santi nou pa t bezwen l, oswa moun ki ban nou l lan pi jèn pase n. Kiyès nan nou ki kapab di li pa bezwen fè efò pou l pi byen demontre kalite ki nan fwi lespri a, oswa pou l kapab preche epi anseye pi byen? w22.02 11 § 8; 12 § 12.

Jedi 6 jiyè

Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou. — Jan 13:35.

Se tout moun nan kongregasyon an ki gen responsablite pou yo kreye yon anbyans kote ki gen lapè ak lanmou yon fason pou pèsonn pa santi yo lage poukò yo. Sa nou fè ak sa nou di ka ankouraje lòt moun anpil! Ki sa nou ka fè pou nou ede moun ki poukont yo nan laverite pou yo santi yo fè pati kongregasyon an? Chèche fè zanmi ak moun ki fèk vin nan kongregasyon an. Yon bagay k ap ede nou fè sa, se lè n byen akeyi yo (Wom. 15:7). Sepandan, nou pa vle annik ba yo bèl salitasyon. Nou vle vin bon zanmi yo ofiramezi. Se sa k fè nou bezwen janti ak moun ki fèk vin nan kongregasyon an e nou bezwen montre nou vrèman gen sousi pou yo. Toutpandan n ap respekte vi prive yo, n ap chèche konprann pwoblèm yo genyen. Li ka difisil pou kèk moun di jan yo santi yo, se sa k fè w pa dwe fòse yo pale. Okontrè, lè w ap poze yo kesyon, fè sa avèk jantiyès yon fason pou yo pa jennen, epi byen koute repons y ap bay. Pa egzanp, ou ka mande yo ki jan yo te aprann laverite. w21.06 11 § 13-14.

Vandredi 7 jiyè

Y ap tande vwa m, e yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje. — Jan 10:16.

Nou vrèman renmen privilèj nou genyen pou n sèvi Jewova nan tèt ansanm antanke “yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje”! Men sa liv Nou òganize pou nou fè volonte Jewova a di nan paj 165: “Lefètke inite sa a fè w jwenn byenfè, ou gen responsablite pou w travay pou pèp Jewova a rete ini.” Kidonk, nou bezwen “fòme tèt nou pou nou wè frè ak sè n yo jan Jewova wè yo”. Nou tout se “tipiti” ki gen anpil valè pou Jewova. Èske se konsa w wè frè w ak sè w yo? Jewova wè tout sa w fè pou w ede yo e pou w montre w gen sousi pou yo, e li bay sa valè (Mat. 10:42). Nou renmen moun k ap adore Jewova ansanm avèk nou yo. Se sa k fè “nou pran desizyon pou nou pa met yon obstak devan yon frè ki ka fè l bite oswa yon bagay ki ka lakòz li fè yon fo pa”. (Wom. 14:13.) Nou konsidere frè n ak sè n yo siperyè nou e nou vle padone yo ak tout kè nou. Ann pa kite lòt moun fè n bite. Okontrè, ann “kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè ak bagay k ap fòtifye youn lòt”. — Wom. 14:19. w21.06 24 § 16-17.

Samdi 8 jiyè

Bondye [...] fè l grandi. — 1 Kor. 3:7.

Si nou byen etidye Pawòl Bondye a e nou aplike konsèy nou jwenn ladan l yo ak konsèy òganizasyon l lan ban nou, tikras pa tikras, n ap vin gen yon seri kalite Kris te genyen. Epitou, n ap vin konn Bondye pi byen. Jezi te bay yon egzanp pou esplike jan mesaj Wayòm nan n ap preche a sanble ak yon ti grenn semans ki grandi tikras pa tikras nan kè moun ki sensè yo. Men sa Jezi te di: “Semans lan leve, li grandi, san [moun ki simen l lan] pa konn ki jan. Tè a poukont li fè l donnen tikras pa tikras: toudabò branch pouse, apre sa li fè grap, alafen, grenn nan vin mi nan grap la.” (Mak 4:27, 28). Jezi te vle esplike, menm jan yon plant grandi tikras pa tikras, se menm jan an tou yon moun ki aksepte mesaj Wayòm nan fè chanjman tikras pa tikras. Pa egzanp, lè moun n ap etidye Labib avèk yo vin pwòch ak Jewova, nou kòmanse wè tout bèl chanjman y ap fè (Efe. 4:22-24). Men, nou dwe sonje, se Jewova ki fè ti grenn semans lan grandi. w21.08 8-9 § 4-5.

Dimanch 9 jiyè

Li pi bon pou w pwofite sa w gen devan je w pase pou w anvi sa w pa ka genyen. — Ekl. 6:9.

N ap kapab gen kè kontan si nou chèche l kote nou kapab jwenn li an. Yon moun ki pwofite “sa [l] gen devan je [l]” satisfè ak sa l genyen, sa l ka fè kounye a. Yon lòt bò, yon moun ki anvi sa l pa ka genyen pap janm satisfè. Donk, ki leson nou kapab aprann? Pou n gen kè kontan, nou dwe konsantre sou sa nou genyen ak sou objektif nou kapab reyalize. Èske li vrèman posib pou w satisfè ak sa w deja genyen? Se vre, tank tan ap pase, nòmalman nou konn ap chèche gen lòt bagay. Men an reyalite, li posib. Nou kapab pwofite sa nou “gen devan je” nou olye nou rete san nou pa fè anyen ak yo. Ki jan nou kapab fè sa? Egzamine parabòl talan Jezi te bay la nou jwenn nan Matye 25:14-30 pou n wè ki jan nou kapab fè sa. Konsantre nou sou sa nou ka aprann nan parabòl sa a, sou fason pou n gen kè kontan e pou n menm jwenn plis kè kontan nan sa nou genyen kounye a. w21.08 21 § 5-6.

Lendi 10 jiyè

Mwen rete kote ki wo e ki sakre a, men, mwen rete tou ak moun ki montre yo gen imilite, moun ki tris. — Eza. 57:15.

Jewova gen anpil sousi pou “moun ki kraze” e ki “tris” yo. Se pa ansyen yo sèlman ki kapab ankouraje frè ak sè sa yo nou renmen anpil, se nou tout ki kapab fè sa. Youn nan fason nou kapab ankouraje yo, se lè nou montre nou vrèman gen sousi pou yo. Jewova vle nou fè yo santi li renmen mouton l yo ki gen anpil valè pou li (Pwo. 19:17). Nou kapab ede frè n ak sè n yo tou lè nou aji ak imilite ak lè nou rekonèt limit nou. Nou pa vle atire atansyon sou tèt nou pou lòt moun pa rayi sò nou. Okontrè, nou sèvi ak kapasite nou ak konesans nou genyen pou n ankouraje youn lòt (1 Pyè 4:10, 11). Nou kapab aprann anpil bagay sou fason pou nou aji ak lòt moun lè nou reflechi sou fason Jezi te konn aji ak disip li yo. Li se moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a. Epoutan, li te gen “tanperaman dou e [li te] gen imilite nan kè [l]”. (Mat. 11:28-30.) Lè l t ap anseye moun yo, li te konn pale yon fason ki senp e li te konn sèvi ak egzanp ki te fasil pou yo konprann e ki te touche kè moun ki gen imilite yo. — Lik 10:21. w21.07 23 § 11-12.

Madi 11 jiyè

Poze ansyen nou yo kesyon, e y a enfòme nou. — Det. 32:7.

Pran inisyativ pou w pale ak frè ak sè ki granmoun yo. Se vre yo ka pa wè byen ankò, yo gendwa pa ka mache vit oubyen yo gendwa pa ka pale twò klè, men, yo vle kontinye travay pou Jewova e yo vin gen “yon bon repitasyon” devan l (Ekl. 7:1). Sonje rezon ki fè Jewova ba yo anpil valè. Kontinye onore yo. Nou bezwen fè menm jan ak Elize. Li te ensiste pou l ret ansanm ak Eli dènye jou yo t ap pase ansanm nan. Pandan twa fwa Elize te di l: “Mwen pap kite w.” (2 Wa 2:2, 4, 6). Montre w vrèman gen sousi pou frè ak sè ki granmoun yo lè w poze yo kesyon avèk respè (Pwo. 1:5; 20:5; 1 Tim. 5:1, 2). Poze yo kèk kesyon tankou: “Lè w te pi jèn, ki sa k te konvenk ou ou jwenn laverite?” “Ki jan eksperyans ou te fè yo te fè w vin pi pwòch Jewova?” “Ki sa w te twouve ki te ede w kontinye sèvi Jewova ak kè kontan?” (1 Tim. 6:6-8). Apre sa, koute yo lè y ap rakonte istwa yo. w21.09 5 § 14; 7 § 15.

Mèkredi 12 jiyè

Se Bondye ki fòtifye nou ann amoni ak sa ki fè l plezi, li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. — Flp. 2:13.

Lè w fè tout sa w kapab pou w obeyi kòmandman Jezi te bay pou nou preche e pou nou fè disip la, ou montre w gen lanmou pou Bondye (1 Jan 5:3). Fè yon ti reflechi: Se paske w renmen Jewova ki fè w preche kay an kay. Èske l te fasil pou w obeyi lòd sa a? Petèt non. Premye fwa w t al preche, èske w te yon ti jan pè? Pa gen dout nan sa! Men, ou te konnen se travay sa a Jezi vle w fè, e w te obeyi lòd li bay la. Sandout, rive yon lè, li te vin pi fasil pou ou pou w preche. Kounye a, ki jan w wè kesyon fè etid ak moun nan? Èske w santi w yon ti jan pè lè w ap panse ak sa? Petèt. Men, si w priye Jewova pou w mande l ede w met kouraj sou ou pou w ofri moun etid Labib, li kapab ede w vin anvi fè disip. w21.07 3 § 7.

Jedi 13 jiyè

Li egzije pou yo bay tout moun, [...] yon mak nan men dwat yo oswa sou fwon yo. — Rev. 13:16.

Nan tan lontan, yo te konn met yon mak sou esklav yo ak yon etanp pou montre kiyès ki mèt yo. Menm jan an tou, nan epòk nou an, yo pral atann pou tout moun gen yon mak senbolik sou men yo oswa sou fwon yo. Fason yo pral panse ak fason yo pral aji ap montre se gouvènman yo ki mèt yo e se yo y ap soutni. Èske n ap aksepte mak senbolik sa a k ap montre n ap soutni gouvènman yo. Moun ki refize aksepte mak la ap jwenn pwoblèm e lavi yo ap an danje. Men sa liv Revelasyon an di: “Pèsonn pa ka ni achte ni vann, sof moun ki gen mak la.” (Rev. 13:17). Men, pèp Bondye a konnen sa Bondye pral fè moun ki gen mak yo pale de li nan Revelasyon 14:9, 10 la. Olye yo aksepte mak sa a se kòmsi y ap ekri sou men yo: “Mwen se byen Jewova.” (Eza. 44:5). Kounye a, se moman pou nou asire n nou fidèl ak Jewova toutbon. Konsa, Jewova ap kontan di nou se byen l! w21.09 18 § 15-16.

Vandredi 14 jiyè

Menm jan fè file fè, se konsa tou yon moun ka ede yon zanmi l vin pi bon. — Pwo. 27:17.

Pou w akonpli ministè w, w ap bezwen kite lòt moun ede w. Apot Pòl te montre Timote metòd li te itilize pou l preche e pou l anseye. Li te ankouraje Timote pou l sèvi ak menm metòd sa yo pou l ede lòt moun (1 Kor. 4:17). Menm jan ak Timote, nou kapab aprann nan men moun ki gen eksperyans nan kongregasyon an. Anplis, nou ka priye Jewova pou l ede n. Mande Jewova pou l ede w chak fwa w al preche. San èd lespri sen Bondye ki gen anpil fòs, nou youn pa t ap ka fè anyen (Sòm 127:1; Lik 11:13). Lè w ap priye Jewova pou w mande l èd, di l egzakteman sa w bezwen. Pa egzanp, mande l pou l ede w jwenn kèlkeswa moun ki vle aprann konnen l e ki dispoze koute nou dwe rezève tan tou pou n fè etid pèsonèl nou. Men sa Pawòl Bondye a di: “Verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” (Wom. 12:2). Plis nou gen konviksyon nou konn laverite sou Bondye, se plis n ap pale avèk konviksyon lè n ap preche. w21.05 18 § 14-16.

Samdi 15 jiyè

Anrapò ak Seyè a, nou konnen nou pap travay pou granmesi. — 1 Kor. 15:58.

E si malgre tout efò nou fè ak priyè nou fè ak tout kè nou pou yon etidyan, li pa aplike sa l ap aprann yo e nou bezwen kanpe etid la? Oswa, petèt, nou pa janm fè etid ak yon moun jiskaske l batize. Èske nou ta dwe santi n koupab, kòmkwa pou n ta panse Jewova pa beni sèvis nou? Jewova kontan ak travay n ap fè pou li a depi nou patisipe nan travay sa a ak tout kè nou paske nou renmen l, kit moun yo byen reyaji kit yo pa byen reyaji. Men sa apot Pòl te ekri: “Paske, Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l lè nou ede moun ki sen yo e nou kontinye ap ede yo.” (Ebre 6:10). Jewova sonje efò nou fè ak jan nou renmen l, menmsi nou pa gen yon etidyan ki batize. Donk, nou ka toujou aplike konsèy Pòl te bay kretyen Korent yo nou jwenn nan tèks pou jounen an. w21.10 25 § 4-6.

Dimanch 16 jiyè

Tout moun Papa m ban mwen ap vin jwenn mwen, e mwen pap janm repouse moun ki vin jwenn mwen. — Jan 6:37.

Jezi te montre bonte ak lanmou nan fason l te aji ak disip li yo. Li te konnen yo pa t gen menm kapasite e sitiyasyon yo pa t menm. Donk, yo tout pa t kapab fè menm travay, nitou, yo pa t kapab jwenn menm rezilta nan travay predikasyon an. Aktout sa, Jezi te kontan lefètke yo te fè tout sa yo te kapab. Jezi te montre li byen konprann sa lè l te bay parabòl talan yo. Nan egzanp sa a, mèt la te bay chak esklav travay pou yo fè “selon kapasite yo”. Youn nan de esklav ki pa t parese yo te fè plis benefis pase lòt la. Epoutan, mèt la te felisite yo toule de, li te di yo chak menm pawòl la: “Trè byen, ou se yon bon esklav e ou fidèl!” (Mat. 25:14-23). Jezi toujou montre bonte ak lanmou nan fason li aji avèk nou. Li konnen kapasite nou ak sitiyasyon nou pa menm, e li kontan lè nou fè tout sa n kapab. Nou dwe imite Jezi nan fason nou aji ak lòt moun. w21.07 23 § 12-14.

Lendi 17 jiyè

Mwen pap leve men m pou m frape mèt mwen an. — 1 Sam. 24:10.

Sepandan, David pa t toujou montre l gen mizèrikòd. Pa egzanp, lè Nabal, yon mesye ki te di anpil, te manke David ak mesye l yo dega e l te refize ba yo manje, David te fache anpil e l te deside touye misye ak tout gason ki te lakay li. Erezman, Abigayil, madan Nabal, yon dam ki te janti e ki te gen pasyans, te kouri pot manje bay David. Konsa, li te anpeche David touye Nabal ak mesye l yo (1 Sam. 25:9-22, 32-35). N ap remake lè David te fache anpil la, li te wè Nabal ak tout mesye l yo te merite mouri. Annapre, David te di mesye ki nan istwa Natan te rakonte l la te merite mouri. Nan dezyèm egzanp sa a, nou ta ka mande tèt nou ki jan yon moun nòmalman ki gen bon kè te ka jije yon lòt moun yon fason ki rèd konsa? Reflechi ak sa k te fèk fin pase nan lavi David. Nan moman sa a, konsyans David t ap kale l. Lè yon moun jije yon fason ki di se yon siy ki montre li pa fin gen bon relasyon ak Bondye. w21.10 12 § 17-18; 13 § 20.

Madi 18 jiyè

Nou dwe sen, paske mwen menm, mwen sen. — 1 Pyè 1:16.

Pawòl sa yo nou jwenn nan tèks pou jounen an ede nou wè nou ka imite Jewova, li menm ki bay pi bèl egzanp antanke Sila a ki sen. Nou dwe vin sen nan konduit nou, e se yon obligasyon nou genyen. Sa ka parèt enposib paske nou enpafè. Apot Pyè te fè anpil erè. Men, egzanp li montre nou kapab “vin sen”. Anpil moun panse yon moun ki sen se yon moun ki pa konn ri, ki met yon rad espesyal relijyon li ladan l lan mande pou l mete, e ki toujou byen serye. Men, se pa konsa yon moun ki sen ye. Jewova sen, e Bib la fè konnen li se “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Tim. 1:11.) Bib la di moun k ap adore Jewova yo “byennere”. (Sòm 144:15.) Jezi te kondane moun ki te konn met rad espesyal e ki te konn pratike sa ki jis pou fè moun wè yo (Mat. 6:1; Mak 12:38). Antanke kretyen, nou vin konnen sa sa vle di pou yon moun sen grasa sa nou aprann nan Bib la. Nou gen konviksyon Bondye nou an ki gen lanmou pa t ap janm ban nou yon kòmandman nou pa t ap ka obeyi. w21.12 2 § 1, 3.

Mèkredi 19 jiyè

Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou. — Mak 12:30.

Pami tout sa Bondye kontan ban nou yo, petèt youn nan kado ki gen plis valè li ban nou se kapasite pou nou adore l. Nou montre Jewova nou renmen l lè nou “obeyi kòmandman l yo”. (1 Jan 5:3.) Youn nan kòmandman Jewova vle nou obeyi, se kòmandman Jezi te bay pou nou fè disip epi batize yo (Mat. 28:19). Li te ban nou lòd tou pou youn renmen lòt (Jan 13:35). Jewova ap pèmèt moun ki obeyi l yo fè pati fanmi l k ap adore l sou tout tè a (Sòm 15:1, 2). Montre nou renmen lòt moun. Lanmou se kalite ki pi enpòtan Jewova gen lakay li (1 Jan 4:8). Jewova te montre li renmen nou anvan menm nou konnen l (1 Jan 4:9, 10). Nou imite l lè nou montre nou renmen lòt moun (Efe. 5:1). Youn nan pi bèl fason nou ka montre nou renmen lòt moun se lè nou ede yo aprann konnen Jewova pandan gen tan toujou (Mat. 9:36-38). Lè nou fè sa, nou ba yo posiblite pou yo vin konnen ki sa yo bezwen fè pou yo vin fè pati fanmi Bondye. w21.08 5-6 § 13-14.

Jedi 20 jiyè

Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase [sa]. — Jan 15:13.

Gwo lanmou Jezi gen pou Jewova, Papa l, te pouse l fè sakrifis pou Li e pou nou (Jan 14:31). Fason Jezi te viv sou tè a te montre jis nan ki pwen li renmen moun. Chak jou, li te demontre lanmou ak konpasyon, menm lè kèk moun te opoze avè l. Youn nan bon fason li te montre li renmen moun se lè l te aprann yo ki sa Wayòm Bondye a ye (Lik 4:43, 44). Epitou, Jezi te montre li renmen Bondye ak lèzòm lefètke l te dispoze soufri jiskaske l te mouri anba men yon seri moun ki t ap pratike peche. Konsa, li ban nou tout posiblite pou n gen lavi ki pap janm fini an. Nou vwe Jewova, Papa nou ki nan syèl la, lavi n e nou batize paske n renmen l. Donk, menm jan ak Jezi, nou ta dwe demontre lanmou pou Jewova nan fason n aji ak lòt moun. Men sa apot Jan te ekri: “Yon moun ki pa renmen frè l li wè pa ka renmen Bondye li pa wè.” — 1 Jan 4:20. w22.03 10 § 8-9.

Vandredi 21 jiyè

Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou. — Efe. 5:15, 16.

Byenke nou renmen pase tan ak Jewova, sa pa toujou fasil. Nou gen anpil aktivite pou nou fè, e sa kapab fè l difisil pou nou rezève tan pou nou adore Jewova. Travay nou, responsablite nou gen nan fanmi nou ak lòt aktivite nou gen pou n fè kapab tèlman pran tan nou, nou ka santi n twò okipe pou n priye, pou n etidye oswa pou n medite. Gen yon lòt bagay ki ka pran tan nou. Si n pa fè atansyon, nou ka kite aktivite ki pa gen anyen mal nan yo vòlè tan nou ta ka itilize pou n vin pi pwòch ak Jewova. Pa egzanp, ann pale konsènan detant. Li bon pou n pran yon ti detant tanzantan. Menmsi detant nou chwazi yo pa gen anyen ki mal, si nou pase twòp tan ladan yo, nou pap jwenn ase tan pou n adore Jewova. Nou bezwen kite detant nan plas li. — Pwo. 25:27; 1 Tim. 4:8. w22.01 26 § 2-3.

Samdi 22 jiyè

Nou dwe konsidere etranje k ap viv avèk nou yo tankou Izrayelit parèy nou, nou dwe renmen yo menm jan nou renmen tèt nou. — Lev. 19:34.

Lè Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo renmen pwochen yo, li pa t vle di pou yo te renmen Izrayelit parèy yo sèlman. Yo te dwe renmen etranje ki t ap viv nan mitan yo tou. Se mesaj klè sa a ki nan Levitik 19:33, 34. Izrayelit yo te dwe trete etranje yo “tankou Izrayelit parèy” yo, e yo te dwe “renmen yo” menm jan yo renmen tèt yo. Pa egzanp, Izrayelit yo te dwe kite ni etranje ki t ap viv nan mitan yo, ni pòv yo pran sa yo te kite dèyè nan jaden yo (Lev. 19:9, 10). Jodi a, kretyen yo bezwen kontinye suiv prensip ki fè konnen nou dwe renmen etranje yo (Lik 10:30-37). Ki jan nou ka fè sa? Toupatou sou tè a, gen plizyè milyon moun ki kite peyi yo pou y al viv nan lòt peyi, e petèt gen nan yo ki abite toupre w. Nou dwe byen aji ak moun sa yo e nou dwe respekte yo. w21.12 12 § 16.

Dimanch 23 jiyè

Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon. — Sòm 34:10.

Plis nou konte sou Jewova depi kounye a pou l ban nou direksyon, se plis n ap gen konfyans nan kapasite l genyen pou l sove nou alavni. Nou bezwen gen lafwa e nou dwe dispoze konte sou Jewova pou n al mande patwon nou konje pou n ka asiste yon asanble oswa yon kongrè, oubyen pou n mande chanje orè travay nou pou n ka asiste tout reyinyon yo e pou n pase plis tan nan travay predikasyon an. Ann sipoze patwon nou pa dakò ak sa nou mande l la e nou ta pèdi travay nou. Èske n gen lafwa Jewova pap janm kite nou oswa li pap janm abandone nou e l ap toujou ban nou sa n bezwen pou n viv (Ebre 13:5)? Anpil moun nan sèvis aplentan kapab di jan yo te wè Jewova ede yo nan moman yo te plis bezwen sa. Jewova fidèl. Piske Jewova avè n, nou pa gen rezon pou n pè sa k gen pou rive pi devan. Bondye nou an pap janm abandone nou, depi nou kontinye bay Wayòm li an premye plas nan lavi nou. w22.01 7 § 16-17.

Lendi 24 jiyè

Se pa pou lòm n ap jije, men, se pou Jewova. — 2 Kwo. 19:6.

Ki sa k ka fè n gen dout sou yon desizyon ansyen yo pran? Ann sipoze yon bon zanmi n eskominye. Nou ka ap mande tèt nou si ansyen yo te egzamine tout enfòmasyon yo, oubyen si yo te vrèman jije ka a fason Jewova t ap jije l. Ki sa k ka ede nou kontinye gen bon atitid anrapò ak desizyon yo pran an? Nou bezwen sonje se Jewova ki mande pou yo eskominye moun e sa bon pou kongregasyon an, epitou, sa ka ede moun ki peche a. Si yo kite yon moun ki peche e ki pa repanti fè pati kongregasyon an, sa kapab gen move enfliyans sou lòt moun nan kongregasyon an (Gal. 5:9). Anplis de sa, li ka pa aksepte jan peche l fè a grav, e l ka pa wè rezon pou l chanje fason l panse ak fason l aji pou l ka vin gen favè Jewova ankò (Ekl. 8:11). Nou kapab sèten, lè ansyen yo ap deside si yon moun dwe eskominye, yo pran responsablite yo genyen an oserye. w22.02 5-6 § 13-14.

Madi 25 jiyè

Li pap kase wozo ki panche a, e li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an. — Mat. 12:20.

Nou bezwen gen pasyans ak bonte sitou lè yon moun yon jan renka pou l aplike konsèy ki baze sou Bib la. Yon ansyen dwe veye pou l pa kouri fache si yon frè oswa yon sè poko aksepte oswa aplike yon konsèy li ba li. Se sa k fè ansyen an ka priye Jewova pou l mande l ede moun ki bezwen konsèy la konprann rezon ki fè yo ba l konsèy la e pou l aplike l. Frè yo bay konsèy la ka bezwen tan pou l reflechi sou sa yo di l la. Si ansyen an gen pasyans ak bonte, moun l ap eseye ede a pap gade sou fason li ba l konsèy la. Men, l ap konsantre sou konsèy la. Nòmalman, konsèy la dwe baze sou Pawòl Bondye a. Nonsèlman nou vle konsèy nou yo itil, men tou, nou vle yo “bay kè kontan”. — Pwo. 27:9. w22.02 18 § 17; 19 § 19.

Mèkredi 26 jiyè

Lè yon moun ap tann yon bagay e sa pa rive lè l t ap tann li an, sa fè l pèdi espwa. — Pwo. 13:12.

Lè nou priye Jewova pou l ban nou fòs pou n fè fas ak yon eprèv oswa yon defo nou gen lakay nou, nou gendwa santi Jewova pran anpil tan pou l reponn priyè nou. Poukisa Jewova pa reponn tout priyè nou yo tousuit? Li konsidere priyè nou fè ak tout kè nou yo kòm prèv ki montre nou gen lafwa (Ebre 11:6). Lè nou priye Jewova pou n mande l ede nou fè l plezi, li ta renmen wè nou dispoze fè efò pou nou fè volonte l (1 Jan 3:22). Se sa k fè nou ka bezwen montre nou gen pasyans epi aji ann amoni ak priyè nou yo lè n ap fè efò pou nou konbat yon move abitid oswa yon defo nou gen lakay nou. Jezi te ede nou konprann gen priyè nou fè Jewova ka pa reponn tousuit. Men sa l te di: “Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn. Kontinye frape, e y ap ouvri pou nou. Paske tout moun ki mande ap resevwa, tout moun ki chèche ap jwenn, e tout moun ki frape, y ap ouvri pou yo.” — Mat. 7:7, 8. w21.08 8 § 1; 10 § 9-10.

Jedi 27 jiyè

Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo! Mwen reflechi sou yo tout lajounen. — Sòm 119:97.

Pou w ranfòse lafwa w nan Kreyatè w la, ou bezwen kontinye etidye Pawòl Bondye a (Joz. 1:8). Pa egzanp, reflechi ak fason Bib la bay bonjan detay sou yon seri evènman ki te pase nan tan lontan. Reflechi ak jan yon seri pwofesi li te anonse te reyalize ak jan li gen amoni ladan l. Lè w fè sa, sa ka fè w vin gen plis konviksyon se yon Kreyatè ki gen lanmou e ki gen sajès ki fè nou, e se pawòl li ki nan Bib la (2 Tim. 3:14; 2 Pyè 1:21). Lè w ap etidye Pawòl Bondye a, gade jan konsèy ki ladan l yo itil. Pa egzanp, sa gen lontan depi Bib la fè konnen lè moun renmen lajan se yon move bagay, e sa bay “anpil soufrans”. (1 Tim. 6:9, 10; Pwo. 28:20; Mat. 6:24.) Donk, avètisman Bib la bay pou nou pa gen lanmou pou lajan an bon anpil! Èske w ka panse ak kèk lòt prensip nan Bib la ki te ede w? Plis nou bay konsèy ki nan Bib la valè, se plis n ap konte sou bonjan sajès Kreyatè nou an ki gen lanmou ban nou (Jak 1:5). Konsa, n ap gen plis kè kontan nan lavi nou. — Eza. 48:17, 18. w21.08 17-18 § 12-13.

Vandredi 28 jiyè

Paske, Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l. — Ebre 6:10.

Si w ap antre nan laj, ou mèt gen asirans Jewova sonje travay ou te konn fè. Ou te soutni travay predikasyon an ak tout kè w. Ou te andire eprèv, menm eprèv ki te rèd anpil. Ou te soutni prensip biblik yo ki jis, ou te aksepte fè yon seri travay enpòtan e w te fòme lòt moun. Ou te fè tout sa w kapab pou w adapte w ak tout chanjman k ap fèt nan òganizasyon Jewova a. Ou te ede moun ki nan sèvis aplentan e w te ankouraje yo. Jewova Dye renmen w anpil paske w fidèl. Li pwomèt “li pap lage moun ki fidèl ak li yo”! (Sòm 37:28.) Men asirans li ban nou: “Jiskaske cheve nou vin blan, m ap kontinye soutni nou.” (Eza. 46:4). Donk, pa panse paske w fin granmoun ou pa gen valè ankò pou òganizasyon Jewova a. Ou gen anpil valè! w21.09 3 § 4.

Samdi 29 jiyè

Jewova fè moun ki gen lakrentif pou li yo mizèrikòd. — Sòm 103:13.

Jewova fè moun mizèrikòd paske sajès li genyen an san parèy. Labib di “sajès ki sot anwo a” se yon sajès “ki chaje ak mizèrikòd ak bon fwi”. (Jak 3:17.) Menm jan ak yon paran ki renmen pitit li, Jewova konnen lè l fè pitit li mizèrikòd, sa bon pou yo (Eza. 49:15). Mizèrikòd Bondye genyen an bay lèzòm espwa malgre yo enpafè. Donk, piske Jewova gen anpil sajès, li toujou fè moun mizèrikòd lè l wè gen yon rezon pou sa. Anmenmtan, Jewova konnen ki lè pou l pa fè moun mizèrikòd. Piske li se yon Bondye ki gen sajès, li fè moun mizèrikòd, men, li pa janm sitire moun k ap fè sa k mal. Ann sipoze yon sèvitè Bondye ta deside mennen yon vi ki imoral. Ki sa n ta dwe fè? Men sa Jewova te pouse Pòl ekri: “Sispann frekante [l].” (1 Kor. 5:11). Lè yon moun fè yon peche grav e li pa repanti, yo eskominye l nan kongregasyon an. Desizyon sa a enpòtan anpil pou pwoteje frè n ak sè n ki fidèl yo e pou soutni prensip Jewova yo ki sakre. w21.10 9-10 § 7-8.

Dimanch 30 jiyè

Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. — 2 Kor. 9:7.

Nou adore Jewova lè n fè ofrann pou n soutni travay Wayòm nan. Izrayelit yo pa t dwe parèt devan Jewova de men vid (Det. 16:16). Yo te dwe pot yon kado selon posiblite yo. Konsa, yo t ap montre yo gen rekonesans pou tout sa Jewova te fè pou yo. Ki jan nou kapab montre nou renmen Jewova e nou gen rekonesans pou tout sa l fè pou nou? Youn nan fason nou kapab fè sa se lè n fè ofrann pou n soutni kongregasyon an e pou n soutni travay mondyal la selon mwayen nou. Men sa apot Pòl te di: “Si volonte a la anvan, Bondye ap aksepte l sitou selon sa yon moun genyen, se pa selon sa yon moun pa genyen.” (2 Kor. 8:4, 12). Jewova apresye nenpòt ofrann nou fè ak tout kè n, menmsi sa n bay la pa anpil. — Mak 12:42-44. w22.03 24 § 13.

Lendi 31 jiyè

Pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo, soutni moun ki fèb yo, pran pasyans ak tout moun. — 1 Tes. 5:14.

Ansyen yo pa ka rezoud tout pwoblèm sèvitè Jewova yo genyen. Sepandan, Jewova vle pou ansyen yo fè tout sa yo kapab pou yo ankouraje mouton l yo e pou yo pwoteje yo. Ki jan ansyen yo ki deja gen anpil aktivite ka jwenn tan pou yo bay frè ak sè yo èd yo bezwen? Yo dwe suiv egzanp Pòl te bay. Pòl te chèche okazyon pou l felisite frè ak sè yo e pou l ankouraje yo. L ap bon pou ansyen yo suiv egzanp Pòl lè yo demontre lanmou ak afeksyon pou sèvitè Jewova yo (1 Tes. 2:7). Pòl te bay frè l ak sè l yo asirans Jewova renmen yo e li renmen yo tou (2 Kor. 2:4; Efe. 2:4, 5). Pòl te konsidere frè ak sè nan kongregasyon an kòm zanmi l, e li te konn pase tan ak yo. Li te montre li fè yo konfyans lefètke l pa t jennen pou l fè yo konnen sa k t ap enkyete l ak mankman l genyen (2 Kor. 7:5; 1 Tim. 1:15). Sepandan, Pòl pa t ret ap reflechi sou pwòp pwoblèm pa l. Okontrè, li te vle ede frè l ak sè l yo. w22.03 28 § 9-10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje