Out
Madi 1ye out
Papa, padone yo. — Lik 23:34.
Sanble Jezi t ap pale de sòlda women ki te kloure men l ak pye l yo. Jezi pa t kite enjistis yo te fè l sibi yo fè l fache oswa fè l kenbe moun nan kè (1 Pyè 2:23). Menm jan ak Jezi, nou bezwen dispoze padone lòt moun (Kol. 3:13). Gen kèk moun, san wete moun nan fanmi nou, ki gendwa opoze ak nou paske yo pa konprann kwayans nou ak fason nou mennen lavi nou. Yo gendwa bay manti sou nou, fè nou wont devan lòt moun, chire piblikasyon nou yo oswa menm menase y ap ban nou kou. Olye pou n kenbe moun ki opoze ak nou yo nan kè, nou kapab mande Jewova pou l ede yo aksepte laverite yon jou (Mat. 5:44, 45). Pafwa, nou ka twouve difisil pou n padone, sitou lè yo fè n yon seri bagay ki fè n mal anpil. Men, si n ret fache oswa nou kenbe moun nan kè, se tèt nou n ap fè soufri (Sòm 37:8). Lè nou deside padone, nou chwazi pou n pa kite move bagay moun fè nou fè n ret fache. — Efe. 4:31, 32. w21.04 8-9 § 3-4.
Mèkredi 2 out
Se pa ni de ni twa fwa [...] yo te konn fè l gen lapenn. — Sòm 78:40.
Èske w gen yon moun pa w ki eskominye? Petèt, sa fè w mal anpil! Reflechi ak jan sa dwe te fè Jewova mal lè kèk zanj ki te fè pati fanmi l te vire do ba li (Jid 6)! Imajine jan l te gen lapenn lefètke Izrayelit yo, pèp li a li te renmen anpil, pa t sispann fè rebèl avè l (Sòm 78:41). Ou mèt gen asirans sa fè Papa nou ki nan syèl la mal anpil tou lè yon moun ou renmen sispann sèvi l. Li konprann soufrans ou. L ap montre l gen konpasyon pou ou toutpandan l ap ba w ankourajman ak èd ou bezwen. Lè paran yo gen yon pitit gason oswa yon pitit fi yo renmen anpil ki sispann sèvi Jewova, yo konn panse yo te kapab fè plis pou ede pitit yo a rete nan laverite. Men sa yon frè ki di: “Mwen te konn di se fòt mwen. Mwen te konn menm fè move rèv sou sa.” Men sa yon sè ki te nan menm sitiyasyon an te konn ap di tèt li: “Ki sa m te fè ki mal antanke manman? Mwen te santi mwen pa t rive fè laverite antre nan kè pitit gason m nan.” w21.09 26 § 1-2, 4.
Jedi 3 out
Yo remake yo se moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon. — Tra. 4:13.
Gen kèk moun ki panse sèvitè Jewova yo pa ka anseye moun Labib paske yo pa pase nan gwo lekòl teyoloji. Men yo bezwen egzamine enfòmasyon yo jwenn. Se sa Lik, youn nan moun ki te ekri Evanjil yo, te deside fè. Li te fè efò pou l egzamine “tout bagay avèk presizyon”. Li te vle moun ki t ap li sa l te ekri yo “byen konnen bagay yo” te tande konsènan Jezi yo “se laverite”. (Lik 1:1-4.) Juif ki t ap viv nan ansyen vil Bere yo te fè menm jan ak Lik. Lè yo te fèk tande bon nouvèl ki gen rapò ak Jezi a, yo te egzamine Liv ki te ekri ann ebre yo pou yo verifye sa yo te di yo a (Tra. 17:11). Menm jan an tou, jodi a moun yo bezwen verifye enfòmasyon yo jwenn. Yo dwe konpare sa sèvitè Bondye yo ap anseye yo ak sa Ekriti yo di. Epitou, yo bezwen egzamine sa sèvitè Jewova yo fè nan epòk nou an. Si yo byen chèche, yo pap kite prejije oswa sa yo tande moun di fè yo pa wè sa ki verite. w21.05 3 § 7-8.
Vandredi 4 out
Ouvri kè nou. — 2 Kor. 6:13.
Èske gen yon moun nan kongregasyon w lan ou ka envite pase tan ak ou? Gen moman kote frè n ak sè n yo t ap vrèman kontan si nou ta pase tan avèk yo. Li konn difisil pou kèk frè ak sè lè moun nan fanmi yo ki pap sèvi Jewova ap fete yon seri fèt ki pa ann amoni ak Bib la pandan yo menm yo nan kay la. Gen lòt menm ki konn santi yo tris anpil lè yon seri dat rive. Pa egzanp, chak fwa dat yon moun yo te genyen ki mouri rive. Lè nou ofri frè ak sè ki gen pwoblèm sa yo pou nou pase tan ak yo, nou montre nou “gen sousi pou [yo] toutbon”. (Flp. 2:20.) Gen anpil rezon ki ka fè yon kretyen santi l poukò l pafwa. Sepandan, nou pa dwe janm bliye Jewova byen konnen sa nou santi. Byen souvan, li itilize kretyen parèy nou pou l ban nou sa nou bezwen (Mat. 12:48-50). Yon lòt bò, nou montre Jewova nou gen rekonesans pou dispozisyon li pran ki demontre lanmou, lè nou fè tout sa nou kapab pou n ede frè n ak sè n yo. Kèlkeswa jan nou ta santi nou pafwa, nou pa janm poukò n, paske Jewova toujou avè n! w21.06 13 § 18-20.
Samdi 5 out
Se pou nou toujou gen bon konduit pami nasyon yo. Konsa, lè y ap akize nou pou di nou se moun k ap fè sa ki mal, y ap wè bèl aksyon nou fè ak je yo, e konsa, y ap ka bay Bondye glwa. — 1 Pyè 2:12.
Jezi te ret pozitif e l te kontinye preche, menm lè te gen kèk moun ki pa t vle koute mesaj li t ap preche a. Sa k fè sa? Li te konnen jis nan ki pwen moun yo te bezwen konn laverite, e li te vle bay valè moun li kapab posiblite pou yo aksepte mesaj Wayòm nan. Li te konnen tou gen kèk nan moun ki pa t vle koute l okòmansman ki t ap byen reyaji annapre. Ann pran egzanp sa k te rive nan pwòp fanmi l. Pandan twazan edmi li te fè ap preche a, pa t gen youn nan frè l yo ki te vin disip li (Jan 7:5). Epoutan, apre l fin resisite, yo te vin kretyen (Tra. 1:14). Nou pa konnen kiyès k ap vin sèvi Jewova. Gen moun ki pran plis tan pase yon lòt pou yo aksepte mesaj n ap preche a. Menm moun ki pa vle koute nou yo wè bon konduit ak bèl atitid nou genyen, e rive yon lè, yo ka vin “bay Bondye glwa”. w21.05 18 § 17-18.
Dimanch 6 out
Toutpandan nou prale, preche. Men sa pou nou di: ‘Wayòm syèl la vin pi pre.’ — Mat. 10:7.
Lè Jezi te sou tè a, li te bay disip li yo lòd pou yo fè yon travay ki gen de pati ladan l. Li te di yo pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan, e li te montre yo fason pou yo fè sa (Lik 8:1). Pa egzanp, Jezi te prepare disip li yo pou yo konn sa pou yo fè lè moun yo pa aksepte mesaj Wayòm nan ak lè yo aksepte mesaj Wayòm nan (Lik 9:2-5). Li te anonse tou jis nan ki pwen yo t ap gen pou yo fè travay predikasyon an, lè l te fè yo konnen disip li yo t ap gen pou yo bay “yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14; Tra. 1:8.) Anplis, li te di yo pou yo anseye moun ki t ap gen pou vin disip yo pou yo obeyi tout bagay li te ba yo lòd pou yo fè yo. Jezi te fè konnen travay enpòtan sa a t ap kontinye fèt jis nan epòk nou an, “rive jis nan fen sistèm nan”. (Mat. 28:18-20.) Nan revelasyon Jezi te bay Jan an, Jezi te montre aklè li vle pou tout disip li yo ede lòt moun aprann konnen Jewova. — Rev. 22:17. w21.07 2-3 § 3-4.
Lendi 7 out
Pinga nou chèche pase pou pi bon, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt, e pou youn ap rayi sò lòt. — Gal. 5:26.
Nan monn nan jodi a, anpil moun tèlman egoyis, sa fè yo toujou nan konpetisyon. Pa egzanp, yon biznismann gendwa ap itilize yon seri taktik malonèt pou l montre se biznis pa l ki pi bon. Yon atlèt gendwa fè espre li blese yon lòt jwè yon fason pou ekip pa l la ka genyen. Yon elèv k ap konpoze pou l antre nan yon gwo inivèsite gendwa ap pran poul nan egzamen yo. Antanke kretyen, nou konnen li pa bon pou nou aji konsa, sa fè pati “zèv lachè yo”. (Gal. 5:19-21.) Men, èske sa ka rive gen sèvitè Jewova ki lakòz gen konpetisyon nan kongregasyon an san yo pa menm rann yo kont? Kesyon sa a enpòtan, paske konpetisyon kapab kraze tèt ansanm ki gen nan fanmi nou fòme antanke kretyen an. Li t ap bon pou n konsidere kèk egzanp gason ak fi fidèl nan tan biblik yo ki pa t nan konpetisyon ak lòt moun. w21.07 14 § 1-2.
Madi 8 out
Byennere moun ki pran ka moun ki ba yo. Jewova ap delivre l nan jou malè a. — Sòm 41:1.
Lanmou fidèl pouse nou ede moun ki tris oswa ki dekouraje. Anpil frè ak sè ki gen bon kè jodi a kontinye ede moun nan kongregasyon an ki tris oswa ki dekouraje. Yo renmen frè ak sè yo e yo dispoze fè tout sa yo kapab pou ede yo (Pwo. 12:25, nòt; 24:10). Yo aji ann amoni ak ankourajman apot Pòl te bay la ki di: “Pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo, soutni moun ki fèb yo, pran pasyans ak tout moun.” (1 Tes. 5:14). Souvan, pi bon fason ou ka ede yon frè oswa yon sè ki dekouraje, se lè w koute l ak lè w fè l konnen ou renmen l. Lè w pran ka youn nan ti mouton Jewova yo ki gen anpil valè pou li, li apresye sa. Pwovèb 19:17 di: “Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, e Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a.” w21.11 10 § 11-12.
Mèkredi 9 out
Goute e n a wè jan Jewova bon. Byennere moun ki pran refij nan li. — Sòm 34:8.
Ki sa n ka fè depi kounye a pou n prepare n pou lavni? Nou bezwen kontante n ak sa n genyen, e nou ta dwe kontan anpil lefètke nou gen bon relasyon ak Jewova. Plis nou aprann konnen Bondye nou an, se plis n ap gen konfyans nan kapasite li genyen pou l pwoteje n lè Gòg ki soti nan peyi Magòg pral atake n. Pawòl sa yo ki nan tèks pou jounen an montre rezon ki fè David te konnen li kapab konte sou Jewova. Byen souvan, David te konn fè sa vre, e Bondye l la pa t janm fè l wont. Lè David te jèn, li t al batay ak Golyat, jeyan ki te soti nan peyi Filisti a. E men sa l te di sòlda sa a ki te gen anpil fòs: “Jodi a menm, Jewova ap lage w nan men m.” (1 Sam. 17:46). Apre sa, David te vin sèvitè wa Sayil ki te eseye touye l plizyè fwa. Men, “Jewova te avèk” David (1 Sam. 18:12). Piske David te wè jan Jewova te ede l anvan sa, li te konnen li kapab konte sou Jewova nan eprèv sa yo. w22.01 6 § 14-15.
Jedi 10 out
Tout pitit Bondye yo te pran rele tèlman yo te gen lajwa. — Jòb 38:7.
Nan tout sa Jewova ap fè, pasyans li genyen fè l dispoze pran kèlkeswa tan ki nesesè pou l fini travay li. Li fè sa pou non l kapab jwenn glwa e pou l ede lòt moun. Pa egzanp, ann wè ki jan Jewova te prepare tè a pou lèzòm tikras pa tikras. Lè Bib la ap esplike ki jan Jewova te fè sa, li fè konnen se Jewova ki te deside “ki gwosè l ap ye”, se li ki te plante “poto l yo” e ki te poze “wòch li genyen ki nan kwen an”. (Jòb 38:5, 6.) Jewova te menm pran tan pou l reflechi sou travay li fè (Jen. 1:10, 12). Èske w ka imajine jan zanj yo te santi yo lè yo te wè bagay Jewova t ap kreye yo t ap pran fòm tikras pa tikras? Se pa ti kontan yo dwe te kontan! Se poutèt sa yo “te pran rele tèlman yo te gen lajwa”. Ki sa sa aprann nou? Sa te pran plizyè milye ane pou Jewova kreye tè a, zetwal yo ak tout sa ki vivan. Men, lè Jewova te gade tout sa l te fè yo, sa l te pran san l pou l kreye yo, li te di “yo bon anpil”. — Jen. 1:31. w21.08 9 § 6-7.
Vandredi 11 out
Trè byen, ou se yon bon esklav e ou fidèl! — Mat. 25:23.
Parabòl Jezi te bay la pale de yon mesye ki t apral fè yon vwayaj. Anvan l ale, li rele esklav li yo e li ba yo chak yon kantite talan pou yo fè biznis. Mesye a te konnen esklav li yo pa t gen menm kapasite. Se sa k fè li te bay youn senk talan, li te bay yon lòt de e li te bay twazyèm nan youn. De premye esklav yo te fè anpil efò pou yo fè lajan an travay. Men, twazyèm esklav la pa t fè anyen ak lajan li te resevwa a, se sa k fè mèt la te revoke l. Ni premye esklav la, ni dezyèm esklav la te bay responsablite yo te konfye yo a anpil enpòtans, e yo te travay di pou yo sèvi mèt yo. Konsa, yo te fè de lòt talan met sou de talan mèt yo te konfye yo. Mèt la te rekonpanse esklav sa yo poutèt yo te byen fè travay li e poutèt yo te travay di. Nonsèlman mèt yo te kontan, men tou, li te wè yo merite pou l ba yo plis responsablite. w21.08 21 § 7; 22 § 9-10.
Samdi 12 out
Yon lòt fwa ankò, [...] m ap souke syèl la ak tè a. — Aje 2:6.
Jewova demontre anpil pasyans pandan dènye jou sa yo. Li pa ta renmen pèsonn moun detwi (2 Pyè 3:9). Li bay tout moun posiblite pou yo repanti. Men, pasyans li gen limit. Moun ki pa aksepte posiblite sa a yo jwenn nan pral nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon Farawon nan epòk Moyiz la. Jewova te di Farawon: “M te gendwa gentan leve men m pou m frape ni ou menm ni pèp ou a avèk yon gwo maladi, e m t ap gentan disparèt nou sou tè a. Sepandan, men pou ki rezon mwen kite w viv toujou: pou m ka fè w wè pisans mwen e pou yo ka fè konnen non m sou tout tè a.” (Egz. 9:15, 16). Rive yon lè, tout nasyon yo pral konnen Jewova se sèl vrè Dye a (Eze. 38:23). Sekous yo pale de li nan tèks pou jounen an, pral vle di moun ki menm jan ak Farawon ki refize aksepte dwa Jewova genyen pou l dirije a pral detwi pou toutan. w21.09 18-19 § 17-18.
Dimanch 13 out
Rejwi ak moun k ap rejwi. Kriye ak moun k ap kriye. — Wom. 12:15.
Èske w nan gwo lapèn akoz yon moun ou renmen eskominye? Ki sa w ka fè si kèk moun nan kongregasyon an di w yon seri bagay ki fè w santi w pi mal? An reyalite, nou pa ka atann pou tout moun aji jan nou ta vle a (Jak 3:2). Nou tout enpafè, se sa k fè ou pa bezwen sezi si kèk moun pa fin konn sa pou yo di oswa si yo ta di yon bagay ki fè w mal san yo pa t gen entansyon fè sa. Sonje konsèy apot Pòl te bay la. Men sa l te di: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen [...], se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l.” (Kol. 3:13). Kontinye ede moun nan fanmi an ki fidèl yo. Yo bezwen santi nou renmen yo e yo bezwen nou ankouraje yo plis pase nenpòt lòt lè (Ebre 10:24, 25). Pafwa, moun ki gen moun ki eskominye nan fanmi yo konn santi se kòmsi yo eskominye tou, paske gen frè ak sè nan kongregasyon an ki konn pa pale ak yo ankò. Nou pa dwe aji konsa! Nou bezwen felisite jèn ki gen paran yo ki kite laverite e nou bezwen ankouraje yo. w21.09 29 § 13-14; 30 § 16.
Lendi 14 out
Yon moun ki gen sajès konn koute e li vin gen plis konesans. — Pwo. 1:5.
Lè yon moun ki granmoun ak yon moun ki pi jèn ap pale youn ak lòt, yo toule de jwenn ankourajman (Wom. 1:12). Nou menm ki pi jèn, n ap vin gen plis rekonesans pou fason Jewova pran swen sèvitè l ki fidèl yo, e frè oswa sè ki granmoun nan ap santi w renmen l. L ap kontan rakonte w jan Jewova beni l. An jeneral, tank laj ap monte nou pa toujou rete bèl menm jan ak lè nou te jèn. Men, moun ki fidèl ak Jewova yo vin pi bèl nan je l tank ane ap pase (1 Tes. 1:2, 3). Sa k fè sa? Paske, tank ane ap pase, yo kite lespri Bondye ba yo fòm epi ede yo vin gen yon seri bèl kalite. Plis nou aprann konnen frè n ak sè n ki granmoun yo nou renmen anpil, nou onore yo e nou aprann nan men yo, se plis n ap wè jan yo se trezò ki gen anpil valè! Lè ni jèn ni granmoun bay youn lòt valè, kongregasyon an vin pi solid. w21.09 7 § 15-18.
Madi 15 out
Sispann jije pou yo pa jije nou. Paske, jan nou jije a, se konsa y ap jije nou. — Mat. 7:1, 2.
Nou bezwen fè gwo efò pou n pa aji yon fason ki di ak lòt moun men pito pou n montre nou “gen anpil mizèrikòd” menm jan ak Bondye nou an (Efe. 2:4). Mizèrikòd se pa annik santi nou gen pitye pou lòt moun. Anfèt, lè yon moun gen mizèrikòd li aji pou l ede lòt moun. Donk, nou tout ka chèche wè ki moun nan fanmi nou, nan kongregasyon nou ak nan zòn kote n ap viv la ki bezwen èd nou. Se sèten n ap jwenn anpil okazyon pou n montre nou gen mizèrikòd! Èske w konn yon moun ki bezwen konsolasyon? Èske w ka fè yon bagay pou w ede l? Petèt ou ka fè l jwenn yon bagay pou l manje oswa ou ka fè kèk bagay ki montre ou panse avè l. Èske gen yon kretyen ki reyentegre ki bezwen yon bon zanmi pou konsole l e pou ankouraje l? Èske n ka pataje bon nouvèl la ak lòt moun pou konsole yo (Jòb 29:12, 13; Wom. 10:14, 15; Jak 1:27)? Si nou chèche konnen ki moun ki bezwen èd nan sans sa a, n ap jwenn anpil okazyon pou n demontre mizèrikòd. Lè nou fè lòt moun mizèrikòd, se pa ti kontan Papa nou ki nan syèl la dwe kontan, paske li gen “anpil mizèrikòd”! w21.10 13 § 20-22.
Mèkredi 16 out
Jewova se Bèje m. Mwen pap manke anyen. — Sòm 23:1.
Nan sòm 23, David te pale de yon seri bagay ki vrèman gen anpil valè, anpalan de pakèt benediksyon Jewova te ba li paske l te aksepte L kòm Bèje l. Jewova te gide David “nan chemen ladwati”, e li pa t janm sispann soutni l nan bon tan kou nan move tan. David te rekonèt li pa t apral viv san pwoblèm “kote ki gen anpil zèb” Jewova te mete l la. Pafwa, li te ka dekouraje, kòmsi l t ap mache “nan vale fènwa pwès la”, e li t ap gen ènmi. Men, piske Jewova se Bèje l, li pa t ap “pè anyen”. Nan ki sans David pa t “manke anyen ki bon”? Li te gen tout sa l te bezwen pou l te rete pwòch ak Jewova. Li pa t bezwen gen anpil byen pou l te gen kè kontan. David te kontante l ak sa Jewova te ba li. Sa k te pi enpòtan pou li se te benediksyon ak pwoteksyon li te jwenn nan men Bondye l la. Pawòl David te di yo fè n wè jan l enpòtan pou n pa bay bagay materyèl twòp valè. w22.01 3-4 § 5-7.
Jedi 17 out
Yo chak ap resevwa rekonpans pa yo selon travay pa yo. — 1 Kor. 3:8.
Te toujou gen moun ki pa vle koute sèvitè Jewova yo. Pa egzanp, Noye te fè plizyè dizèn ane “ap preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5.) Se sèten li te espere lòt moun t ap koute mesaj li t ap preche a, men, Jewova pa t janm di gen moun ki t ap koute l. Okontrè, lè l te di Noye pou l konstwi lach la, li te di l: “Ou dwe antre nan lach la ansanm ak pitit gason w yo, madanm ou ak madanm pitit gason w yo.” (Jen. 6:18). Lè Noye t ap panse ak gwosè Bondye te di l pou l fè lach la, petèt, Noye te rann li kont pa t ap gen anpil moun ki t ap koute mesaj li t ap preche a paske pa t ap gen plas pou yo nan lach la (Jen. 6:15). E jan nou konn sa, pa t menm gen yon moun ki te koute l (Jen. 7:7). Èske Jewova te panse se paske Noye pa t fè ase efò pou l te preche moun yo ki fè sa te rive? Non, li pa t panse sa. Jewova te satisfè ak travay Noye te fè a, paske Noye te fè egzakteman sa Jewova te mande l fè. — Jen. 6:22. w21.10 26 § 10-11.
Vandredi 18 out
Mwen te chaje lè m t aprale, men, Jewova fè m tounen de men vid. — Rit 1:21.
Imajine jan Rit dwe te santi l lè l te tande Nawomi di pawòl sa yo! Li te fè tout sa l kapab pou l ede Nawomi. Li te kriye ansanm avè l, li te konsole l, e li te fè plizyè jou ap mache avè l. Aktout sa, Nawomi te di: “Jewova fè m tounen de men vid.” Byenke Rit te fè tout sa l kapab pou l te ede Nawomi nan moman sa a, pawòl Nawomi te di yo te montre li pa t rive wè tout efò Rit t ap fè pou ede l. Sa dwe te fè Rit mal! Epoutan, li te ret ansanm ak Nawomi (Rit 1:3-18). Jodi a, yon sè ki tris oswa ki dekouraje ka di yon bagay ki fè nou mal, malgre tout sa n fè pou n ede l. Men, nou fè efò pou n pa pran sa mal. Nou kontinye chèche ede sè nou an ki nan bezwen, e nou mande Jewova pou l ede n jwenn yon fason pou n konsole sè nou an (Pwo. 17:17). Yon sè ki bezwen èd ka pa aksepte èd nou ofri l. Men, lanmou fidèl nou genyen ap pouse n fè tout sa n kapab pou n kontinye chèche ede l. — Gal. 6:2. w21.11 11 § 17-19.
Samdi 19 out
Se pou nou vin sen nan tout konduit nou. — 1 Pyè 1:15.
Ki sa sa vle di pou yon moun sen? Nan Bib la, an jeneral, mo “sen” an ak mo “sakre” a fè referans ak sa ki pwòp oswa ki sakre nan domèn moral ak nan domèn relijyon. Mo sa yo ka vle di tou met apa pou sèvis Bondye. Nou kapab di tou, y ap konsidere nou kòm moun ki sen si nou pwòp nan domèn moral, si nou adore Jewova fason li aksepte a, e si nou gen yon relasyon sere avè l. Nou sezi wè malgre nou enpafè e Jewova sen nan nivo ki pi wo a, li vle vin bon zanmi nou. Jewova pwòp nan tout sans. Se sa Serafen yo, zanj ki toupre Jewova yo, fè konnen. Men sa kèk ladan yo di: “Jewova, Chèf lame yo, sen, li sen, li sen.” (Eza. 6:3). Nòmalman, zanj yo dwe sen pou yo ka gen bon relasyon ak Bondye yo a ki sen, e vrèmanvre yo sen. w21.12 3 § 4-5.
Dimanch 20 out
Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou. — Efe. 5:15, 16.
Byen souvan, jèn yo konn ap panse ak pi bon fason pou yo mennen lavi yo. Yon bò, pwofesè yo ak moun nan fanmi yo ki pap sèvi Jewova ka ankouraje yo pou yo fè gwo etid yon fason pou yo kapab jwenn yon bon travay epi fè anpil kòb nan monn nan. Se sèten, yon objektif konsa t ap pran yon bon pati nan tan yo. Yon lòt bò, paran jèn sa yo ak zanmi yo gen nan kongregasyon an gendwa ap ankouraje yo pou yo itilize lavi yo nan sèvis Jewova. Ki sa ki kapab ede yon jèn ki renmen Jewova pou l pran pi bon desizyon an? Yon bagay k ap ede l se lè l li Efezyen 5:15-17 epi l medite sou vèsè sa yo. Apre yon jèn fin li vèsè sa yo, li ka mande tèt li: ‘Ki sa ki “volonte Jewova”? Ki desizyon k ap fè l plezi? Ki sa k ap ede m pi byen sèvi ak tan m?’ Sonje “jou yo makawon” e sistèm sa a Satan ap dirije a pral fini talè konsa. w22.01 27 § 5.
Lendi 21 out
Anfèt, frè l yo pa t demontre yo gen lafwa nan li. — Jan 7:5.
Ki lè Jak te vin yon disip Jezi ki fidèl? Apre Jezi fin resisite, “li te parèt devan Jak, ansuit devan tout apot yo”. (1 Kor. 15:7.) Rankont sa a Jezi te fè ak Jak la te chanje lavi Jak nèt. Li te la lè apot yo t ap tann pou yo resevwa lespri sen nan yon chanmòt nan Jerizalèm (Tra. 1:13, 14). Annapre, Jak te kontan sèvi kòm manm kolèj santral premye syèk la (Tra. 15:6, 13-22; Gal. 2:9). Yon ti tan anvan ane 62 epòk nou an, Bondye te enspire l pou l ekri yon lèt pou kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Lèt sa a itil nou jodi a, kit nou gen esperans pou n al nan syèl oswa pou n viv sou tè a (Jak 1:1). Selon Jozèf, yon istoryen nan premye syèk la, Anànyas, gran prèt juif la, pitit Àn ki te gran prèt, te bay lòd pou yo touye Jak. Jak te ret fidèl ak Jewova jiskaske l te fini lavi l sou tè a. w22.01 8 § 3; 9 § 5.
Madi 22 out
Bondye m nan, Bondye m nan, poukisa w abandone m? — Mat. 27:46.
Youn nan leson nou ka aprann nan tèks pou jounen an sèke nou pa dwe atann Jewova ap pwoteje nou kont tout pwoblèm ki ka pase lafwa nou anba eprèv. Menm jan Jezi te pase anba eprèv jiskaske l mouri, nou menm tou, nou dwe prepare n pou n ret fidèl, menmsi n ta oblije mouri (Mat. 16:24, 25). Sepandan, nou gen asirans Bondye pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte (1 Kor. 10:13). Yon lòt leson nou aprann sèke menm jan ak Jezi nou ka ap soufri san nou pa fè anyen ki mal (1 Pyè 2:19, 20). Se pa paske nou fè yon bagay ki mal ki fè moun yo opoze ak nou, men se paske nou pa fè pati monn nan e n ap preche laverite (Jan 17:14; 1 Pyè 4:15, 16). Jezi te konprann rezon ki fè Jewova te kite l soufri. Men, kontrèman ak Jezi, gen adoratè Jewova ki fidèl lè y ap pase anba eprèv ki konn mande pafwa poukisa Jewova kite yon seri bagay rive (Aba. 1:3). Bondye nou an ki gen mizèrikòd ak pasyans konprann se pa lafwa moun sa yo pa genyen ki fè yo di sa. Yo bezwen konsolasyon li menm sèlman kapab bay la. — 2 Kor. 1:3, 4. w21.04 11 § 9-10.
Mèkredi 23 out
Se pou priyè m nan tankou lansan ki byen prepare y ap prezante devan w. — Sòm 141:2.
Jewova ap aksepte adorasyon n ap ba li a si l ann amoni ak objektif li e si nou fè sa avèk respè e paske nou renmen l. Nou konnen li merite pou n adore l, e nou vle fè sa pi bon fason an. youn nan fason nou adore Jewova se lè n priye l. Labib konpare priyè nou yo ak lansan byen prepare yo te konn ofri nan tabènak la e annapre nan tanp lan. Lansan sa a te fè Bondye plezi. Menm jan an tou, priyè nou fè ak tout kè n fè Jewova “plezi”, menmsi n itilize mo ki senp (Pwo. 15:8; Det. 33:10). Sa touche kè Jewova lè l tande n k ap di l nou renmen l e k ap di l mèsi. Li vle n fè l konnen sa k ap trakase n, sa n ta renmen ak sa n anvi. Anvan n priye Jewova, nou bezwen byen reflechi sou sa n pral di l. Lè n fè sa, n ap ofri Papa nou ki nan syèl la pi bon “lansan” nou te ka ofri l la. w22.03 20 § 2; 21 § 7.
Jedi 24 out
Nou menm ki jwenn tribilasyon, l ap ban nou soulajman ansanm avèk nou, nan moman Seyè Jezi ap parèt nan syèl la avèk zanj pisan li yo. — 2 Tes. 1:7.
Nan Amagedon, se pa nou menm k ap deside kiyès Jewova ap fè mizèrikòd ak kiyès li pap fè mizèrikòd (Mat. 25:34, 41, 46). Èske n ap fè jijman Jewova yo konfyans, oswa èske y ap yon obstak ki fè nou bite? Li klè, nou bezwen fè Jewova plis konfyans depi kounye a pou n kapab fè l konfyans nèt alavni. Imajine jan nou pral santi nou nan monn nouvo Bondye a. Fo relijyon pap la ankò, sistèm komèsyal ak sistèm politik ki konn eksplwate moun e ki lakòz yo soufri pandan anpil syèk pap la ankò. Nou pap gen pwoblèm sante, nou pap vin granmoun e moun nou renmen yo pap mouri. Yo pral fèmen Satan ak demon l yo pou mil an. Tout bagay mal ki te rive akoz rebelyon yo te fè yo pap la ankò (Rev. 20:2, 3). Lè sa a, se pa ti kontan n ap kontan dèske n te gen konfyans nan fason Jewova aji! w22.02 6-7 § 16-17.
Vandredi 25 out
Byennere moun ki renmen fè lapè. — Mat. 5:9.
Jezi te chèche fè lapè e li te ankouraje moun pou yo rezoud pwoblèm yo gen ak lòt moun. Li te fè yo konnen yo dwe fè lapè ak frè yo si yo ta renmen Jewova aksepte adorasyon y ap ba li a (Mat. 5:23, 24). Pandan plizyè fwa, li te ede apot yo pou yo sispann fè diskisyon nan chèche konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan (Lik 9:46-48; 22:24-27). Pou n renmen fè lapè, nou bezwen fè plis pase annik evite fè kont ak moun. Nou bezwen chèche fè lapè, epi ankouraje frè n ak sè n yo pou yo rezoud pwoblèm yo gen youn ak lòt (Flp. 4:2, 3; Jak 3:17, 18). Nou ka poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske m dispoze fè sakrifis pou m fè lapè ak lòt moun? Lè yon frè oswa yon sè fè m yon bagay ki fè m mal, èske m kenbe l sou kè? Èske m tann se lòt moun nan ki fè efò pou l fè lapè, oswa èske m fè premye pa a, menmsi se lòt moun nan ki sanble antò? w22.03 10 § 10-11.
Samdi 26 out
Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa. — Tra. 20:35.
Depi byen lontan, Bib la te gentan anonse moun ki nan pèp Bondye a t ap “ofri tèt yo san fòse” nan sèvis Jewova anba direksyon Pitit li a (Sòm 110:3). Pa gen dout, pwofesi sa a ap akonpli jodi a. Chak ane, sèvitè Jewova yo ki chofe nan travay predikasyon an pase plizyè santèn milyon èdtan ap preche. Yo fè sa san fòse, e yo depanse kòb yo pou sa. Yo sèvi ak tan yo tou pou yo rann kwayan parèy yo sèvis, pou yo ankouraje yo e pou yo fòtifye lafwa yo. Frè ki gen responsablite nan kongregasyon yo pase plizyè èdtan ap prepare patisipasyon yo gen nan reyinyon yo e yo fè vizit pastoral pou yo ankouraje kwayan parèy yo. Ki sa k pouse yo fè tout travay sa a? Se lanmou: lanmou pou Jewova ak lanmou pou pwochen yo (Mat. 22:37-39). Jezi te bay yon bèl egzanp lè l te met enterè lòt moun anvan enterè pa l. Nou eseye fè tout sa n kapab pou n suiv egzanp li (Wom. 15:1-3). Moun ki imite l ap jwenn byenfè. w22.02 20 § 1-2.
Dimanch 27 out
Si n pran yon moun pou travay pou nou, nou pa dwe kite lajan l lan fè tout nuit lan nan men nou pou se demen maten nou peye l. — Lev. 19:13.
Ann Izrayèl, pifò moun te konn travay nan jaden, e yo te dwe peye moun sa yo nan fen jounen an. Si yo pa t peye moun nan, li pa t ap jwenn kòb pou l bay fanmi l manje jou sa a. Men sa Jewova te di: “Afè l pa bon, e lavi l depann de lajan l ap touche a.” (Det. 24:14, 15; Mat. 20:8). Jodi a, anpil moun k ap travay pa touche chak jou, se yon fwa oswa de fwa pa mwa yo peye yo. Sepandan, prensip nou jwenn nan Levitik 19:13 la toujou valab. Gen kèk patwon ki eksplwate moun k ap travay avè yo. Yo peye moun sa yo mwens kòb lontan pase sa yo ta dwe peye yo. Yo konnen moun sa yo ka pa vrèman gen chwa, y ap kontinye travay pou yo menmsi sa yo peye yo a piti anpil. Nan yon sans, patwon sa yo ‘kite lajan yon moun k ap travay avè yo dòmi nan men yo’. Yon kretyen ki gen yon biznis ap bezwen veye pou l pa eksplwate moun k ap travay avè l. w21.12 10 § 9-10.
Lendi 28 out
Mwen swaf. — Jan 19:28.
Jezi dwe te swaf anpil apre tout sa yo te fè l pase, san wete tout soufri li t ap soufri sou poto a. Li te bezwen jwenn yon bagay pou l bwè pou l pase swaf li. Jezi pa t panse se yon bagay ki mal pou l di sa l santi. Nou pa dwe panse sa tou. Byen souvan, nou ta prefere pa di lòt moun sa n bezwen. Men, si sa ta rive nou bezwen èd, nou pa ta dwe ezite fè lòt moun konn sa. Pa egzanp, si nou vin granmoun oswa nou pa viv sante, nou ka bezwen yon zanmi ban n yon woulib pou n al achte oswa pou n al kay doktè. Si nou santi moral nou ba oswa nou dekouraje, nou ka mande yon ansyen oswa yon zanmi nou ki gen matirite si yo ka ban n yon ti tan pou n pale ak yo, yon fason pou yo ka di nou “bèl ti pawòl” k ap fè kè n kontan (Pwo. 12:25). Nou bezwen sonje frè n ak sè n yo renmen nou e yo vle ede nou “lè gen malè”. (Pwo. 17:17.) Men, yo pa ka li sa k nan panse n. Yo gendwa pa konnen si n bezwen èd si nou pa di yo sa. w21.04 11-12 § 11-12.
Madi 29 out
Si w dekouraje nan jou malè a, w ap prèske san fòs. — Pwo. 24:10.
Lè sitiyasyon n chanje, sa konn pa fasil pou anpil nan nou. Gen kèk frè ak sè ki te fè anpil tan nan yon fòm sèvis aplentan espesyal ki te resevwa yon lòt asiyasyon. Gen lòt akoz laj yo ki te oblije kite yon sèvis yo te renmen anpil. Li nòmal pou n santi n tris lè sitiyasyon n chanje konsa. Li pi fasil pou n adapte n ak yon nouvo sitiyasyon lè n wè bagay yo menm jan ak Jewova. Jodi a, Jewova ap fè yon seri bagay estrawòdinè, e se yon gwo privilèj nou genyen pou n konpayon travay li (1 Kor. 3:9). Lanmou Jewova gen pou nou an pap chanje. Se sa k fè, si yo fè yon chanjman nan òganizasyon an ki konsène w pèsonèlman, ou pa bezwen pase anpil tan ap chèche konn pou ki rezon yo fè chanjman sa a. Olye pou w ap panse ak “tan lontan”, ou bezwen mande Jewova pou l ede w wè sa ki bon nan chanjman ki fèt la (Ekl. 7:10). Kontinye gen yon atitid pozitif. Konsa, n ap toujou gen kè kontan e n ap ret fidèl menm lè sitiyasyon n chanje. w22.03 17 § 11-12.
Mèkredi 30 out
Jewova, Jewova, yon Bondye [...] ki demontre yon lanmou ki fidèl pou plizyè milye jenerasyon. — Egz. 34:6, 7.
Pou kiyès Jewova demontre lanmou fidèl? Labib pale de anpil bagay nou kapab renmen, tankou “fè jaden”, “diven ak luil”, “disiplin”, “konesans”, “sajès”, pou n site sa yo sèlman (2 Kwo. 26:10; Pwo. 12:1; 21:17; 29:3). Sepandan, yo pa janm demontre lanmou fidèl pou yon bagay, se pou moun sèlman yo demontre l. Men, Jewova pa demontre lanmou fidèl pou tout moun. Li demontre lanmou fidèl pou moun ki gen yon relasyon espesyal avè l. Bondye nou an fidèl ak zanmi l yo, li gen yon bèl objektif pou yo e li pap janm sispann renmen yo. Jewova montre li renmen lèzòm an jeneral. Jezi te di yon mesye ki rele Nikodèm: “Bondye tèlman renmen [lèzòm], li bay sèl Pitit Gason li fè a pou [yo], dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 3:1, 16; Mat. 5:44, 45. w21.11 2 § 3; 3 § 6-7.
Jedi 31 out
Grasa andirans nou, n ap gen lavi. — Lik 21:19.
Lavi nan sistèm sa a rèd, e nou ka jwenn plis pwoblèm toujou pi devan (Mat. 24:21). Se pa ti tann n ap tann jou kote tout bagay sa yo pap la ankò, n ap bliye yo e nou pap janm wè yo ankò (Eza. 65:16, 17)! Li klè, nou bezwen kontinye aprann andire pi plis toujou. Poukisa? Paske Jezi te di: “Grasa andirans nou, n ap gen lavi.” (Lik 21:19). Lè nou reflechi ak jan lòt moun rive andire yon seri eprèv ki sanble ak eprèv pa nou yo, n ap kapab andire plis toujou. Kiyès ki bay pi bèl egzanp nan kesyon andirans? Se Jewova Dye. Èske w sezi aprann sa? Petèt. Men, lè w reflechi sou sa, w ap konprann poukisa. Monn sa a anba pouvwa Dyab la, e se sa k fè li chaje ak pwoblèm. Jewova gen pouvwa pou l detwi monn sa a nan yon bat je, men, l ap tann jou pou l fè sa a (Wom. 9:22). Annatandan, Bondye nou an kontinye andire jiskaske tan li fikse a rive. w21.07 8 § 2-4.