Septanm
Vandredi 1ye septanm
Yo mande l pou l fè yo wè yon siy ki sot nan syèl la. — Mat. 16:1.
Gen kèk moun nan epòk Jezi a ki pa t satisfè ak bèl ansèyman li t ap bay yo. Yo te vle plis. Men, lè l te refize ba yo siy yo t ap chèche a, yo te bite (Mat. 16:4). Ki sa Ekriti yo di? Men sa pwofèt Ezayi te ekri konsènan Mesi a: “Li pap ni fè bri, ni rele fò. Li pap fè tande vwa l nan lari.” (Eza. 42:1, 2). Jezi te fè sèvis li san l pa t atire atansyon sou tèt li. Li pa t konstwi gwo tanp, e li pa t konn mete rad espesyal chèf relijye yo konn mete yo oswa mande pou yo ba l gwo tit. Lè yo t ap jije Jezi, li te refize fè mirak pou l fè wa Ewòd plezi, menm lè lavi l te an danje (Lik 23:8-11). Se vre Jezi te fè kèk mirak, men, prensipal objektif li se te preche bon nouvèl la. Li te di disip li yo: “Se pou sa mwen vini.” — Mak 1:38. w21.05 4 § 9-10.
Samdi 2 septanm
Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris. — Jan 17:3.
N ap chèche moun ki nan “bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. (Tra. 13:48.) Pou nou ede moun sa yo vin disip, nou dwe ede yo pou yo 1) konprann sa yo aprann nan Bib la, 2) aksepte yo, e 3) aplike yo (Kol. 2:6, 7; 1 Tes. 2:13). Tout moun nan kongregasyon an ka ede etidyan yo grasa egzanp yo bay nan fason yo montre yo renmen yo ak lè yo byen akeyi yo nan reyinyon yo (Jan 13:35). Moun k ap fè etid la ka bezwen pase anpil tan epi fè anpil efò pou l ede etidyan an derasinen yon seri kwayans oswa pratik “ki byen anrasinen” lakay li (2 Kor. 10:4, 5). Sa ka pran plizyè mwa pou n ede yon moun fè chanjman sa yo nan lavi l pou l ka rive batize. Men, efò sa yo pap pou granmesi. w21.07 3 § 6.
Dimanch 3 septanm
Verifye tout bagay, sa ki bon an, kenbe l fèm. — 1 Tes. 5:21.
Èske nou kwè toutbonvre sa n ap anseye yo se laverite e fason Temwen Jewova yo ap adore Jewova jodi a se sèl fason sa a ki fè l plezi? Apot Pòl te gen konviksyon li nan laverite (1 Tes. 1:5). Se pa paske sa te fè l santi l byen ki fè l te gen konviksyon sa a. Pòl te konn pran tan pou l byen etidye Pawòl Bondye a. Li te kwè “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo”. (2 Tim. 3:16.) Ki sa l te aprann? Lè Pòl te fouye nan Ekriti yo, li te jwenn bonjan prèv ki montre Jezi se Mesi yo te pwomèt la, yon seri prèv chèf relijye juif yo pa t bay enpòtans. Chèf relijye ipokrit sa yo te fè konnen yo reprezante Bondye, men aksyon yo te montre yo te nye l (Tit 1:16). Kontrèman ak mesye sa yo, Pòl pa t chwazi kwè yon pati nan Pawòl Bondye a epi l rejte lòt pati yo. Li te pare pou l anseye e pou l aplike “tout sa Bondye deside”. — Tra. 20:27. w21.10 18 § 1-2.
Lendi 4 septanm
Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini. — Jan 6:44.
Toutpandan n ap plante e n ap wouze, nou dwe sonje se Bondye ki fè sa n plante a grandi (1 Kor. 3:6, 7). Lavi tout moun gen anpil valè pou Jewova. Li ban nou privilèj pou n travay ansanm ak Pitit Gason l lan pou n rasanble moun nan tout nasyon anvan sistèm sa a fini (Aje 2:7). Nou ta ka konpare travay predikasyon n ap fè a ak yon operasyon sekou. Nou tankou moun ki fè pati yon ekip sekouris ki pral delivre moun ki bloke nan yon min. Menm lè se kèk moun sèlman yo jwenn ki vivan, travay tout sekouris yo gen anpil enpòtans. Nou kapab di menm bagay la tou pou travay predikasyon n ap fè a. Nou pa konn konbyen moun k ap chape nan sistèm Satan an. Men, Jewova ka sèvi ak nenpòt nan nou pou ede yo. Men sa Andreas k ap viv nan peyi Bolivi di: “Mwen konnen lè yon moun aprann verite ki nan Bib la epi l batize se tout yon gwoup moun ki te met ansanm pou yo ede l.” Ann kontinye gen yon atitid pozitif menm jan an nan travay predikasyon an. Si n fè sa, Jewova ap beni nou e n ap jwenn anpil kè kontan nan travay sa a. w21.05 19 § 19-20.
Madi 5 septanm
Retire kò [w] nan pyèj Dyab la. — 2 Tim. 2:26.
Objektif yon moun k ap fè lachas se pran yon bèt nan pyèj oswa touye l. Li kapab sèvi ak divès kalite pyèj oswa pèlen, jan youn nan fo zanmi ki te vin konsole Jòb yo te di sa (Jòb 18:8-10). Ki jan yon chasè ka fè yon bèt vin nan yon pyèj li tann pou li? Li pran san l pou l byen egzamine bèt la. Li gade ki kote bèt la ale, sa bèt la renmen, ki jan bèt la ka pran nan pyèj la san l pa rann li kont. Se yon chasè konsa Satan ye. Li byen egzamine nou. Li konnen ki kote n konn ale ak sa ki enterese nou. Apre sa, li tann yon pyèj pou nou, e li espere n ap tonbe ladan l san n pa rann nou kont. Sepandan, Bib la ban nou asirans, si nou pran nan pyèj, nou kapab retire kò n ladan l. E li montre nou tou ki jan nou ka evite kèlkeswa pyèj la. Ògèy ak avaris se de nan pyèj Satan itilize ki mache pi byen. Pandan plizyè milye ane, Satan rive fè anpil moun vin gen vye defo sa yo. Li tankou yon chasè zwazo k ap chèche pran yon bèt nan yon pèlen oswa ki pran l nan yon filè (Sòm 91:3). Men nou pa oblije kite Satan pran nou nan pyèj. Sa k fè sa? Paske Jewova fè nou konn taktik Satan itilize yo. — 2 Kor. 2:11. w21.06 14 § 1-2.
Mèkredi 6 septanm
Cheve blan se yon bèl kouwòn sou tèt moun k ap mache nan chemen ki dwat la. — Pwo. 16:31.
Frè n ak sè n ki granmoun yo se trezò ki gen anpil valè. Pawòl Bondye a konpare cheve blan yo genyen yo ak yon kouwòn (Pwo. 20:29). Men, li fasil pou n pa remake trezò sa yo. Jèn ki rekonèt valè frè ak sè ki granmoun yo ka jwenn yon bagay ki gen plis valè pase richès materyèl. Frè ak sè ki granmoun yo gen anpil valè pou Jewova Dye. Li konnen yo byen, li konnen bèl kalite yo genyen, e li bay sa anpil enpòtans. Li kontan anpil lè frè ak sè sa yo, ki gen plizyè ane depi y ap sèvi l fidèlman, pataje sajès yo vin genyen an ak jèn yo (Jòb 12:12; Pwo. 1:1-4). Epitou, Jewova bay andirans yo genyen an anpil valè (Mal. 3:16). Yo te jwenn pwoblèm nan lavi yo, men, yo te kontinye gen yon lafwa solid nan Jewova. Esperans yo genyen pou lavni an vin pi djanm pase lè yo te fèk aprann laverite. E Jewova renmen yo paske yo kontinye fè konnen non l “menm lè yo vin granmoun”. — Sòm 92:12-15, w21.09 2 § 2-3.
Jedi 7 septanm
Se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman. — Gal. 6:4.
Detanzantan, li ta bon pou nou chèche wè rezon ki pouse nou fè yon bagay. Nou ka mande tèt nou: ‘Èske se lè m panse m pi bon pase lòt moun mwen santi m gen valè? Èske nan tout sa m ap fè mwen toujou vle montre se mwen ki fè l pi byen, oubyen, lè yon frè oswa yon sè fè yon bagay, m ap chèche montre mwen ka fè l tou? Oswa, èske m annik vle fè tout sa m kapab pou m fè kè Jewova kontan?’ Labib ankouraje nou pou nou pa konpare tèt nou ak lòt moun. Poukisa? Yon bò, si nou panse nou pi bon pase frè nou yo, nou kapab vin gen ògèy. Yon lòt bò, si nou panse nou gen mwens valè pase yo, sa kapab fè nou dekouraje (Wom. 12:3). Nou dwe sonje se Jewova ki rale nou vin jwenn li. Li pa t fè sa paske nou bèl, nou konn pale byen oswa nou popilè, men paske li te wè nou vle renmen l e nou vle koute Pitit Gason l lan. — Jan 6:44; 1 Kor. 1:26-31. w21.07 14-15 § 3-4.
Vandredi 8 septanm
Nou dwe kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an. — Efe. 4:23.
Nòmalman, pou n rive fè sa, nou bezwen priye, etidye Pawòl Bondye a epi medite. Kontinye fè bagay sa yo epi mande Jewova pou l ba w fòs. Lespri sen l ap ede w pou w aprann pa konpare tèt ou ak lòt moun. Epitou, Jewova ap ede w wè si w rayi sò moun oswa si w gen ògèy, e l ap ede w derasinen vye defo sa yo byen vit nan kè w si w ta vin genyen yo (2 Kwo. 6:29, 30). Jewova konnen sa k nan kè nou. Li konnen tou jan n ap lite pou n konbat lespri monn nan ak enpèfeksyon nou genyen. Lè Jewova wè jan n ap lite pou n konbat vye tandans sa yo, li vin pi renmen nou. Pou Jewova ede nou konprann santiman l gen pou nou, li sèvi ak egzanp lanmou yon manman gen pou tibebe l (Eza. 49:15) Sa vrèman ankouraje nou dèske n konnen se konsa Jewova renmen nou lè l wè jan n ap goumen pou n fè tout sa n kapab pou n sèvi l! w21.07 24-25 § 17-19.
Samdi 9 septanm
Rejwi ak moun k ap rejwi. — Wom. 12:15.
Nou kapab gen plis kè kontan lè nou met tout kè nou nan kèlkeswa sa yo ban n fè nan sèvis Jewova a. Se pou nou “okipe anpil” nan travay predikasyon an, e se pou n patisipe ak tout kè nou nan aktivite kongregasyon an (Tra. 18:5; Ebre 10:24, 25). Byen prepare reyinyon yo pou w ka fè kòmantè ki ankourajan. Bay kèlkeswa patisipasyon ou gen nan reyinyon lasemèn nan anpil enpòtans. Si yo mande w fè yon travay nan kongregasyon an, veye pou w pa rive anreta epi byen fè travay la. Lè yo ba w fè yon travay, pa panse li pa enpòtan e w pa bezwen pèdi tan w ladan l. Fè efò pou w byen fè travay ou (Pwo. 22:29). Plis ou travay di pou Jewova, se plis w ap vin zanmi l, e w ap gen plis kè kontan (Gal. 6:4). L ap pi fasil tou pou w rejwi ak moun ki resevwa yon privilèj ou ta renmen genyen. — Gal. 5:26. w21.08 22 § 11.
Dimanch 10 septanm
Sajès ki sot anwo a se yon sajès toudabò ki pwòp, ansuit ki renmen lapè, ki rezonab, ki dispoze obeyi, ki chaje ak mizèrikòd ak bon fwi, ki pa nan patipri e ki pa ipokrit. — Jak 3:17.
Nou dwe veye pou n pa gen ògèy, epi kite Jewova anseye nou. Menm jan maladi ka fè gwo venn ki nan kè nou yo vin di epi anpeche kè nou bat nòmalman, se konsa tou, ògèy ka fè kè senbolik nou an vin di epi fè l difisil pou nou obeyi enstriksyon Jewova yo. Farizyen yo te tèlman kite kè yo vin di, yo te refize aksepte prèv klè lespri Bondye te ba yo (Jan 12:37-40). Fason yo te aji a pa t bon pou yo ditou, paske sa te anpeche yo jwenn lavi ki pap janm fini an (Mat. 23:13, 33). Li enpòtan anpil pou n kontinye kite Pawòl Bondye a ak lespri Bondye fòme pèsonalite nou, gide fason nou panse ak desizyon n ap pran! Piske Jak te gen imilite, li te kite Jewova anseye l. E se paske l te gen imilite ki fè l te vin yon bon anseyan. w22.01 10 § 7.
Lendi 11 septanm
Kontinye mande. — Mat. 7:7.
Lè nou “pèsevere nan lapriyè”, nou kapab gen konfyans Papa nou ki nan syèl la tande nou (Kol. 4:2). Menmsi nou ta wè Jewova sanble pran tan pou l reponn yon priyè nou fè, li pwomèt l ap reponn priyè nou fè a “nan bon moman”. (Ebre 4:16.) Se sa k fè nou pa dwe janm blame Jewova si l pa reponn priyè nou an vit jan nou te panse a. Pa egzanp, gen anpil moun ki gen plizyè ane depi y ap priye pou Wayòm Bondye a detwi sistèm sa a. Jezi te menm di nou dwe priye pou sa (Mat. 6:10). Men, se t ap vrèman sòt si yon moun ta kite lafwa l gen nan Bondye a febli poutèt lafen an pa vini nan moman lèzòm te panse li t ap vini an (Aba. 2:3; Mat. 24:44)! Nou montre nou gen sajès lè nou kontinye tann Jewova ak lè nou kontinye priye l ak lafwa. Lafen an ap vini egzakteman nan lè li dwe vini an, paske Jewova gentan chwazi ‘jou ak lè’ pou l vini. E jou sa a se ap pi bon moman pou l fèt. — Mat. 24:36; 2 Pyè 3:15. w21.08 10 § 10-11.
Madi 12 septanm
Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.
Frè ak sè ki granmoun ki gen imilite yo rekonèt tank y ap pran laj, yo pa kapab fè tout sa yo te konn fè anvan. Ann fè yon ti pale konsènan siveyan sikonskripsyon yo. Lè yo vin gen 70 an, yo mande yo pou y al nan yon lòt fòm sèvis. Sa kapab difisil pou yo. Yo te kontan sèvi frè ak sè yo. Men, yo konprann li pi bon pou frè ki pi jèn yo fè travay sa a. Konsa, yo imite bèl atitid Levit yo nan Izrayèl tan lontan an te genyen. Lè Levit yo te gen 50 an, yo te mande yo pou yo sispann sèvi nan tabènak la. Levit ki te granmoun yo te kontinye gen kè kontan kèlkeswa responsablite yo te genyen. Yo te met tout kè yo nan kèlkeswa travay yo te ba yo fè e yo te fè tout sa yo kapab pou yo ede Levit ki pi jèn yo (Nonb 8:25, 26). Jodi a, se vre frè ki te siveyan sikonskripsyon yo pa kapab sèvi plizyè kongregasyon ankò, men, yo ede kongregasyon kote yo ye a anpil. w21.09 8-9 § 3-4.
Mèkredi 13 septanm
Papa, mwen peche ni kont Bondye ni kont ou menm. Mwen pa merite pou yo rele m pitit ou ankò. — Lik 15:21.
Nan Lik 15:11-32, nou jwenn yon istwa ki vrèman ankourajan Jezi te rakonte konsènan yon tigason gaspiyè. Tigason sa a te fè rebèl ak papa l, li te kite kay la e li t ale “nan yon peyi byen lwen”. Pandan l te nan peyi sa a, li te lage kò l nan banbòch. Men, lè bagay yo te vin rèd pou li, li te kòmanse reflechi sou sa l te fè a. Li te rann li kont jan l te byen lè l te lakay papa l. Jezi di tigason an te “retounen nan bonsans li”. Li te deside retounen lakay papa l pou l mande l padon. Se yon bon bagay lefètke tigason an te rann li kont li te fè anpil bagay ki pa t bon. Li te bezwen aji! Tigason gaspiyè a te montre l repanti toutbon pou sa l te fè yo. Parabòl sa a se pa jis yon istwa pou touche kè moun. Istwa sa a kapab ede ansyen yo nan kongregasyon an lè y ap chèche wè si yon kwayan parèy nou ki te fè yon peche grav repanti toutbon. w21.10 5 § 14-15.
Jedi 14 septanm
M ap souke syèl la ak tè a. — Aje 2:6.
Ki sa ki pap souke oswa detwi? Men sa Pòl te ekri: “Piske nou gen pou nou resevwa yon Wayòm yo pa ka brannen, annou kontinye [...] bay Bondye yon sèvis sakre ki fè l plezi, avèk lakrentif nou gen pou li e avèk respè.” (Ebre 12:28). Wi, apre dènye gwo sekous sa a fin fèt, se sèl Wayòm Bondye a ki pap brannen (Sòm 110:5, 6; Dàn. 2:44). Pa gen tan pou pèdi! Moun yo dwe fè yon chwa: Si yo chwazi kontinye soutni monn sa a, y ap detwi. Si yo chwazi fè chanjman nan lavi yo pou yo fè volonte Bondye, y ap gen lavi ki pap janm fini an (Ebre 12:25). Grasa travay predikasyon n ap fè a, nou kapab ede moun yo konnen ki desizyon y ap bezwen pran nan kesyon enpòtan sa a. E se pou nou toujou sonje pawòl Jezi, Seyè nou an, ki te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Mat. 24:14. w21.09 19 § 19-20.
Vandredi 15 septanm
Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w. — Ebre 13:5.
Nou menm ansyen, nou gen gwo responsablite pou n konsole frè n ak sè n ki gen moun pa yo ki sispann sèvi Jewova (1 Tes. 5:14). Fè efò pou n ankouraje yo anvan e apre reyinyon yo. Al vizite yo epi priye pou yo. Preche ansanm avèk yo, oubyen nou ka envite yo pafwa lè n ap fè adorasyon an fanmi. Ansyen yo bezwen montre yo gen konpasyon ak lanmou pou mouton Jewova k ap soufri yo, epi ba yo atansyon yo bezwen (1 Tes. 2:7, 8). Jewova “pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Menmsi yon moun ta fè yon peche grav, lavi l toujou gen anpil valè pou Bondye. Reflechi sou gwo pri Jewova te peye pou nou chak, anpalan de lavi Pitit Gason l lan li renmen anpil. Se paske Jewova renmen moun sa yo ki fè l eseye ede yo pou yo retounen vin jwenn li. Li espere y ap chwazi fè sa, jan egzanp Jezi te bay konsènan tigason gaspiyè a montre sa. — Lik 15:11-32. w21.09 30-31 § 17-19.
Samdi 16 septanm
Se nou menm ki benefisye travay yo a. — Jan 4:38.
E si w pa ka preche epi anseye bon nouvèl la jan w te konn fè sa anvan akoz pwoblèm sante? Ou ka toujou gen kè kontan lè w patisipe nan rekòt la. Ann pran egzanp wa David, lè li menm ak mesye l yo t al sove fanmi yo ak byen yo te genyen anba men yon bann vòlè ki moun Amalèk. Gen 200 nan mesye yo ki te twò fatige pou yo t al nan batay la, donk yo te ret ap veye bagay yo te genyen yo. Apre yo te fin genyen batay la, David te bay lòd pou yo pataje sa yo te pran yo ren pou ren (1 Sam. 30:21-25). Se menm bagay la tou anrapò ak travay fè disip n ap fè nan lemonnantye a. Chak moun ki fè tout sa yo kapab nan travay la ka gen kè kontan lè yon moun vin aprann konnen Jewova epi l batize. Jewova wè tout efò n ap fè ak jan nou renmen l, e li rekonpanse nou pou sa. Epitou, li montre nou fason pou n jwenn kè kontan nan kèlkeswa sa n ap fè nan gwo rekòt la (Jan 14:12). Nou kapab gen asirans nou fè kè Bondye kontan depi n pa dekouraje! w21.10 28 § 15-17.
Dimanch 17 septanm
Glwa yon jèn se fòs li. — Pwo. 20:29.
Tank n ap vin granmoun, nou gendwa pè pou nou pa itil Jewova jan nou te konn itil li anvan. Se vre nou ka pa gen menm fòs nou te gen anvan an, men, nou kapab sèvi ak sajès ak eksperyans nou vin genyen pou n ede frè ak sè ki pi jèn yo pou yo itil òganizasyon Jewova a e pou yo aksepte plis responsablite. Frè ak sè ki granmoun yo dwe gen imilite si yo ta renmen ede frè ak sè ki pi jèn yo. Yon moun ki gen imilite konsidere lòt moun siperyè l (Flp. 2:3, 4). Frè ak sè ki granmoun ki gen imilite yo rann yo kont byen souvan gen plizyè fason pou yon moun fè yon travay, tout fason sa yo ann amoni ak Bib la e yo tout bay bon rezilta. Se sa k fè yo pa atann pou yon travay fèt egzakteman jan yo te konn fè l (Ekl. 7:10). Se vre yo gen anpil bèl eksperyans pou yo pataje ak jèn yo, men, yo konnen “monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat”, e yo ka bezwen aprann fè yon travay yon lòt jan. — 1 Kor. 7:31. w21.09 8 § 1, 3.
Lendi 18 septanm
O Jewova, kiyès ki tankou w pami dye yo? Kiyès ki tankou w? Ou menm ki montre jan w sen anpil. — Egz. 15:11.
Jewova pa t ap janm mande moun k ap adore l yo pou yo fè yon bagay ki t ap fè yo pa pwòp. Jewova sen nan nivo ki pi wo a. Sa te parèt klè nan sa ki te ekri sou yon plak annò ki te sou gwo mouchwa espesyal ki te nan tèt gran prèt la. Men sa ki te grave sou plak la: “Jewova sen.” (Egz. 28:36-38). Mesaj ki te sou plak sa a t ap fè kèlkeswa moun ki te wè l sonje aklè Jewova vrèman sen. Men, e si yon Izrayelit pa t kapab wè plak la paske l pa t ka pwoche toupre gran prèt la? Èske l t ap konn mesaj enpòtan sa a? Wi! Chak Izrayelit te tande mesaj sa a lè yo t ap li Lalwa devan ni gason, ni fi, ni timoun (Det. 31:9-12). Si w te la lè sa a, ou t ap tande pawòl ki vin annapre yo: “Mwen se Jewova, Bondye nou an, e nou dwe [...] sen, paske mwen sen.” “Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, mwen sen.” — Lev. 11:44, 45; 20:7, 26. w21.12 3 § 6-7.
Madi 19 septanm
Sispann bay tèt nou pwoblèm. — Lik 12:29.
Gen moun ki ka ap bay tèt yo pwoblèm pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Yo ka ap viv nan yon peyi kote ki gen anpil moun pòv e li difisil pou yo jwenn travay. Konsa, li ka difisil pou yo jwenn ase kòb pou yo pran swen fanmi yo. Oubyen tou, moun ki konn ap pote ti kòb nan fanmi an gendwa mouri, e sa ka vin lakòz fanmi an pa ka jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Sonje Jewova pwomèt l ap ban nou sa n bezwen pou n viv si nou ba l premye plas nan lavi n (Mat. 6:32, 33). Jewova toujou kenbe pwomès sa a (Det. 8:4, 15, 16; Sòm 37:25). Si Jewova rive pran swen zwazo yo ak flè yo, se sèten nou pa bezwen bay tèt nou pwoblèm pou n jwenn manje oswa rad (Mat. 6:26-30; Flp. 4:6, 7)! Menm jan lanmou pouse yon paran ki gen sousi pou pitit li ba l sa l bezwen pou l viv, se menm jan an tou, lanmou pouse Papa nou ki nan syèl la pran swen pèp li a. w21.12 17 § 4-5; 18 § 8.
Mèkredi 20 septanm
Jewova te toujou avèk Jozèf, li te kontinye montre lanmou ki fidèl li gen pou Jozèf. — Jen. 39:21.
Èske yon moun te janm fè w yon bagay ki fè w mal anpil, e petèt menm se te yon kwayan parèy ou? Ann pran egzanp Jozèf, ki te sibi enjistis nan men pwòp frè l. Li te ret konsantre sou sèvis li t ap bay Jewova a, e Jewova te beni l anpil poutèt li te andire avèk pasyans. Finalman, Jozèf te padone moun ki te fè l soufri yo e li te wè ki jan Jewova te beni l (Jen. 45:5). Menm jan ak Jozèf, nou jwenn konsolasyon lè nou pwoche bò kote Jewova e lè nou konte sou li pou l fè nou jwenn jistis (Sòm 7:17; 73:28). Si w ap soufri akoz yon enjistis yo fè w oswa pou yon lòt rezon, sonje Jewova toupre “moun kè yo ap fann”. (Sòm 34:18.) Li renmen w paske w demontre pasyans e paske w lage chay ou sou li (Sòm 55:22). Li se Jij tout tè a. Li wè tout sa k ap fèt (1 Pyè 3:12). Lè w ap fè fas ak yon seri pwoblèm ou pa ka rezoud, èske w dispoze tann Jewova? w21.08 11 § 14; 12 § 16.
Jedi 21 septanm
Kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye. — Efe. 5:17.
Nou t ap montre nou gen sajès si nou ta sèvi ak lavi nou yon fason k ap fè Jewova plezi. Nou dwe met bagay ki pi enpòtan yo an premye. Pafwa, pi byen sèvi ak tan nou mande pou n chwazi ant de aktivite ki pa gen anyen mal ladan yo. Istwa moun byen konnen lè Jezi t al vizite Mari ak Mat lakay yo a montre sa. Pa gen dout, Mat, yon moun ki te renmen akeyi moun, te vrèman kontan resevwa Jezi lakay li, e li t ap prepare anpil manje pou li. Pandan tan sa a, Mari, sè Mat la, te pwofite vizit sa a pou l chita toupre Seyè a pou l koute sa l t ap anseye yo. Se sèten, pa t gen anyen mal nan sa Mat t ap fè a, men, Mari li menm te “chwazi pi bon pati a”. (Lik 10:38-42, nòt.) Rive yon lè, li posib pou Mari te bliye ki manje yo te manje nan okazyon sa a, men, nou mèt sèten li pa t janm bliye sa l te aprann nan men Jezi. Menm jan Mari te bay ti tan li te pase ak Jezi a anpil valè, nou bay tan n ap pase ak Jewova a anpil valè. w22.01 27 § 5-6.
Vandredi 22 septanm
Èske w wè jan Ahab imilye tèt li devan m? — 1 Wa 21:29.
Byenke Ahab te imilye tèt li lè sa a, fason l te aji apre sa te montre li pa t repanti toutbon. Li pa t eseye fè anyen pou fè moun yo sispann adore Baal nan wayòm li an. E li pa t ankouraje moun yo adore Jewova nonplis. Apre lanmò Ahab, Jewova te fè konnen sa l te panse de mesye sa a. Jeyi, yon pwofèt Jewova te pale de li antanke yon “moun ki mechan”. (2 Kwo. 19:1, 2.) Kounye a, fè yon ti reflechi: Si Ahab te repanti toutbon, se sèten pwofèt la pa t ap pale de li kòm yon moun ki mechan ki rayi Jewova. Li klè, Ahab pa t janm repanti toutbon, byenke li te montre l yon jan regrèt. Ki sa nou ka aprann nan istwa Ahab? Lè Ahab te tande mesaj Eli te bay konsènan malè ki t apral frape tout kòt fanmi l, okòmansman, li te imilye tèt li. Se yon bon bagay li te fè. Men, sa l te vin fè annapre yo te montre li pa t repanti toutbon. Donk, repanti se pa annik di nou regrèt yon bagay nou te fè, nou dwe fè plis pase sa. w21.10 3 § 4-5, 7-8.
Samdi 23 septanm
Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan. — Mat. 24:14.
Ezayi te yon pwofèt, e sanble madanm li te gen pwòp travay pa l pou l fè kòm pwofèt tou, piske yo te rele l “dam ki pwofèt la”. (Eza. 8:1-4.) Antanke mari ak madanm, li klè Ezayi ak madanm li te bay adorasyon Jewova a premye plas nan lavi yo. Jodi a, moun ki marye yo kapab bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi yo tou lè yo fè tout sa yo kapab nan sèvis li. Yo kapab chèche vin gen plis konfyans nan Jewova lè yo etidye pwofesi yo ansanm, e lè yo chèche wè fason pwofesi sa yo toujou reyalize (Tit 1:2). Yo kapab reflechi sou fason yo ka patisipe nan akonplisman yon seri pwofesi ki nan Bib la. Pa egzanp, yo ka patisipe nan akonplisman pwofesi Jezi te bay konsènan bon nouvèl la yo t ap gen pou preche sou tout tè a anvan lafen an rive. Plis yon mari ak madanm gen konviksyon pwofesi ki nan Bib la ap reyalize, se plis y ap vin gen detèminasyon pou yo fè tout sa yo kapab pou Jewova. w21.11 16 § 9-10.
Dimanch 24 septanm
Li di disip la: “Gade! Men manman w!” — Jan 19:27.
Jezi t ap enkyete l pou manman l sanble ki te vèv nan moman sa a. Piske Jezi te renmen Mari e li te gen sousi pou li, li te mande Jan pou l pran swen l paske l te konnen li t ap ede l kontinye sèvi Jewova. Depi jou sa a, Jan te vin tankou yon pitit gason pou Mari e li te pran swen Mari tankou se te manman l. Se pa ti renmen Jezi te montre l renmen madanm sa a li te bay anpil valè ki te konn pran swen l depi lè l fèt, e ki te kanpe toupre l pandan l t ap mouri! Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di yo? Nou ka vin pi pwòch frè n ak sè n yo pase moun nan pwòp fanmi nou. Moun nan fanmi nou ka opoze ak nou, e yo ka menm abandone nou. Men, jan Jezi te pwomèt sa, lè nou rete pwòch Jewova ak òganizasyon L lan, n ap jwenn “100 fwa plis” pase sa nou te pèdi. Anpil nan frè ak sè sa yo ap vin tankou bonjan pitit gason, pitit fi, manman oswa papa pou nou (Mak 10:29, 30). Ki jan w santi w lefètke frè ak sè nan kongregasyon an gen tèt ansanm paske yo gen lafwa ak lanmou, sa vle di yo renmen Jewova e youn renmen lòt? — Kol. 3:14; 1 Pyè 2:17. w21.04 9-11 § 7-8.
Lendi 25 septanm
Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun. — Ebre 13:16.
Lanmou fidèl pouse nou fè plis pase sa yo mande nou. Menm jan ak nan tan lontan, jodi a, anpil nan frè n ak sè n yo chwazi demontre lanmou fidèl pou kwayan parèy yo, e gen nan yo yo pa menm konnen. Pa egzanp, lè yo aprann gen yon katastwòf natirèl ki fèt, menm kote a, yo chèche konnen ki jan yo kapab bay èd pa yo. Lè yon moun nan kongregasyon an nan gwo pwoblèm, yo chèche konn sa moun nan bezwen byen vit e yo ede l. Menm jan ak kretyen nan vil Masedwàn nan premye syèk la, yo fè plis pase sa yo mande yo. Yo fè anpil sakrifis, yo bay “plis pase sa yo [...] kapab” pou ede frè yo ki nan nesesite (2 Kor. 8:3). Jodi a, ansyen yo felisite frè ak sè yo nan kongregasyon an lè yo wè jan yo dispoze ede lòt moun. Lè ansyen yo felisite frè ak sè yo ak tout kè yo nan bon moman, sa ap ba yo fòs yo bezwen pou yo kontinye kenbe. — Eza. 32:1, 2. w21.11 11 § 14; 12 § 21.
Madi 26 septanm
Panche zòrèy ou w koute pawòl moun ki gen sajès. — Pwo. 22:17.
Nou tout bezwen konsèy tanzantan. Nan kèk sitiyasyon, nou ka mande yon moun nou respekte konsèy. Nan kèk lòt sitiyasyon, yon frè ki gen sousi pou nou ka ede n wè nou sou wout pou n fè “yon fo pa”, yon bagay nou t ap regrèt (Gal. 6:1). Epitou, nou kapab jwenn konsèy lè yon moun korije nou apre n fin fè yon bagay ki grav. Nou ta dwe koute konsèy kèlkeswa fason n jwenn li an. Lè fè sa, sa ap bon pou nou e sa kapab sove lavi nou (Pwo. 6:23)! Tèks pou jounen an ankouraje n pou n “koute pawòl moun ki gen sajès”. Pa gen okenn moun ki konn tout bagay. Toujou gen yon moun ki gen plis konesans oswa plis eksperyans pase n (Pwo. 12:15). Donk, lè nou koute konsèy, sa montre nou gen imilite. Sa montre tou nou konn limit nou, nou rann nou kont nou bezwen èd pou n reyalize objektif nou genyen yo. Men sa wa Salomon, yon wa ki te gen sajès, ekri: “Bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” — Pwo. 15:22. w22.02 8 § 1-2.
Mèkredi 27 septanm
Moun ki kache peche l pap reyisi, men, moun ki konfese yo e ki pa fè yo ankò, y ap fè l mizèrikòd. — Pwo. 28:13.
Se pa lè nou annik di nou regrèt nou te fè yon peche grav ki montre nou repanti toutbon. Sa mande tou pou n fè bonjan chanjman nan panse nou ak nan kè n. Sa gen ladan l, kite move bagay nou te konn fè yo, epi fè sa Jewova mande (Eze. 33:14-16). Sa k ta dwe pi enpòtan pou yon moun ki peche se chèche gen bon relasyon ak Jewova ankò. Ki sa n t ap fè si nou aprann gen yon bon zanmi nou ki fè yon peche grav. Si nou ta eseye kache peche zanmi nou an fè a, sa pa t ap bon pou li. Sa pa t ap janm mache paske Jewova ap gade tout bagay (Pwo. 5:21, 22). Ou ka ede zanmi w lan lè w fè l sonje ansyen yo vle ede l. Si zanmi w lan pa vle al di ansyen yo sa, ou dwe fè ansyen yo konnen sa k pase a. Konsa, w ap montre ou vle ede l toutbon. w21.10 7 § 19-21.
Jedi 28 septanm
Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou. — Flp. 2:4.
Nou tout ka fè efò pou n imite Jezi lè n dispoze ede lòt moun. Bib la di li “te pran fòm yon esklav”. (Flp. 2:7.) Yon bon esklav oswa yon bon sèvitè ap chèche okazyon pou l fè mèt li plezi. Antanke esklav Jewova e antanke moun k ap sèvi frè n ak sè n yo, pa gen dout, nou ta renmen pi itil Jewova ak kwayan parèy nou. Poze tèt ou kesyon ki vin annapre yo: ‘Jis nan ki pwen mwen dispoze fè sakrifis pou m ede lòt moun? Èske m kontan bay èd mwen lè yo bezwen volontè pou netwaye yon kote y ap fè kongrè oswa pou pran swen Sal Wayòm nan?’ Ann sipoze w wè ou bezwen fè kèk chanjman, men, ou manke fòs pou w fè yo. Nan ka sa a, priye Jewova ak tout kè w. Fè Jewova konnen jan w santi w, epi mande l pou l ‘ba w volonte ak fòs pou w aji’. — Flp. 2:13. w22.02 22-23 § 9-11.
Vandredi 29 septanm
M ap ban nou fòs. — Mat. 11:28.
Jezi te demontre byenveyans nan fason l te aji avèk jantiyès e l te montre l rezonab, menm nan sitiyasyon ki difisil (Mat. 11:29, 30). Pa egzanp, lè yon dam ki moun Fenisi te sipliye l pou l geri pitit li, okòmansman li pa t fè sa dam nan te mande l la. Men, lè dam nan te montre li gen yon gwo lafwa, li te kontan geri pitit li a (Mat. 15:22-28). Menm lè Jezi te konn aji byen ak lòt moun, li pa t sitirè. Pafwa, lè l te montre l fèm ak moun li renmen, se yon fason li te demontre byenveyans. Pa egzanp, lè Pyè t ap eseye dekouraje Jezi pou l pa t fè volonte Jewova, Jezi te reprimande l devan lòt disip yo (Mak 8:32, 33). Li pa t fè sa pou l te imilye Pyè, men pou l te ba l fòmasyon e pou l te avèti lòt disip yo pou yo pa pran dwa ki pa pou yo. Pa gen dout, Pyè te santi l yon jan jennen, men, disiplin nan te bon pou li. Pou w demontre byenveyans toutbon pou moun ou renmen, pafwa ou ka oblije pale klè ak yo. Lè w ap fè sa, imite Jezi lè w baze konsèy w ap bay yo sou prensip ki nan Pawòl Bondye a. w22.03 11 § 12-13.
Samdi 30 septanm
Annou toujou bay Bondye louwanj kòm sakrifis, sa vle di, annou fè deklarasyon piblik pou non l ak pawòl k ap sot nan bouch nou. — Ebre 13:15.
Nou adore Jewova lè n fè louwanj pou li (Sòm 34:1). Nou fè louwanj pou Jewova lè n kontan fè lòt moun konnen bèl kalite li genyen ak travay li fè. Se rekonesans yon moun gen nan kè l pou Jewova ki pouse l fè louwanj pou li. Lè n pran tan pou n medite sou jan Jewova bon, sa vle di sou tout sa l fè pou nou, n ap toujou jwenn rezon pou n fè louwanj pou li. Travay predikasyon an ban nou yon bèl okazyon pou n “bay Bondye louwanj kòm sakrifis [...] ak pawòl k ap sot nan bouch nou”. Menm jan nou dwe byen reflechi sou sa n pral di Jewova anvan n priye l, li bon pou n byen reflechi tou sou sa n pral di moun n ap preche yo. Nou vle pou ‘louwanj n ap bay kòm sakrifis’ la se pi bon kalite louwanj lan. Se poutèt sa nou pale ak tout kè nou lè n ap preche lòt moun. w22.03 21 § 8.