BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es23 p. 98-108
  • Oktòb

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Oktòb
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2023
  • Soutit
  • Dimanch 1ye oktòb
  • Lendi 2 oktòb
  • Madi 3 oktòb
  • Mèkredi 4 oktòb
  • Jedi 5 oktòb
  • Vandredi 6 oktòb
  • Samdi 7 oktòb
  • Dimanch 8 oktòb
  • Lendi 9 oktòb
  • Madi 10 oktòb
  • Mèkredi 11 oktòb
  • Jedi 12 oktòb
  • Vandredi 13 oktòb
  • Samdi 14 oktòb
  • Dimanch 15 oktòb
  • Lendi 16 oktòb
  • Madi 17 oktòb
  • Mèkredi 18 oktòb
  • Jedi 19 oktòb
  • Vandredi 20 oktòb
  • Samdi 21 oktòb
  • Dimanch 22 oktòb
  • Lendi 23 oktòb
  • Madi 24 oktòb
  • Mèkredi 25 oktòb
  • Jedi 26 oktòb
  • Vandredi 27 oktòb
  • Samdi 28 oktòb
  • Dimanch 29 oktòb
  • Lendi 30 oktòb
  • Madi 31 oktòb
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2023
es23 p. 98-108

Oktòb

Dimanch 1ye oktòb

Byennere moun ki pa gen okenn rezon pou l gen dout sou mwen. — Mat. 11:6.

Ansèyman n ap bay yo ak kwayans nou baze sou Pawòl Bondye a. Aktout sa, anpil moun jodi a pa aksepte mesaj n ap bay la paske yo panse fason n ap adore Bondye a twò senp e sa n ap anseye yo se pa sa yo ta renmen tande. Ki sa nou kapab fè pou n pa bite? Apot Pòl te di kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo: “Yon moun gen lafwa apre l fin tande pawòl la. E sa li tande a soti nan pawòl konsènan Kris la.” ​(Wom. 10:17). Donk, se lè nou etidye Ekriti yo n ap vin gen plis lafwa, se pa lè nou patisipe nan sèvis relijyon yo fè ki pa baze sou Bib la, kèlkeswa jan sèvis sa yo ta parèt bèl. Nou dwe chèche gen yon lafwa solid ki baze sou konesans egzak, paske “san lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi”. (Ebre 11:1, 6.) Se sa k fè nou pa bezwen wè yon siy estrawòdinè ki sot nan syèl pou fè nou kwè nou jwenn laverite. Lè nou byen egzamine ansèyman ki baze sou Bib la, yon seri ansèyman k ap fòtifye lafwa nou, sa kont pou konvenk nou e pou elimine nenpòt dout nou ta genyen. w21.05 4-5 § 11-12.

Lendi 2 oktòb

Bagay ki rive m yo vire nan avantaj bon nouvèl la. — Flp. 1:12.

Apot Pòl te gen anpil pwoblèm. Li te bezwen èd Jewova plis toujou lè yo te bat li, lè yo te kalonnen l ak kout wòch ak lè yo te mete l nan prizon (2 Kor. 11:23-25). Pòl pa t wont fè konnen pafwa li te konn goumen ak dekourajman (Wom. 7:18, 19, 24). Epitou, li te gen yon pwoblèm sante ki te tankou “yon pikan nan chè” l, e li te vrèman vle pou Bondye retire l pou li (2 Kor. 12:7, 8). Jewova te bay Pòl fòs pou l kontinye preche malgre tout pwoblèm li te genyen yo. Ann wè sa Pòl te rive fè. Pa egzanp, pandan li te nan prizon nan yon kay nan vil Wòm, li te defann bon nouvèl la avèk fòs devan chèf relijye juif yo, e petèt devan otorite nan gouvènman an (Tra. 28:17; Flp. 4:21, 22). Epitou, li te preche anpil moun ki te fè pati Gad Anperè a, e li te bay tout moun ki te vin vizite l temwayaj (Tra. 28:30, 31; Flp. 1:13). Pandan tan sa a, Bondye te itilize Pòl pou l ekri yon seri lèt ki ede vrè kretyen yo jis jodi a. w21.05 21 § 4-5.

Madi 3 oktòb

“Pa ale pi lwen pase sa ki ekri”, yon fason pou nou pa gonfle ak ògèy. — 1 Kor. 4:6.

Ògèy te fè Ozyas, yon wa nan peyi Jida, pa koute konsèy, e sa te fè l pran dwa ki pa t pou li. Ozyas te reyalize anpil bagay. Li te pot laviktwa nan anpil gè, li te konstwi anpil vil e li te gen anpil plantasyon. “Vrè Dye a te beni l.” ​(2 Kwo. 26:3-7, 10). Bib la di: “Men, kou l te vin gen anpil pouvwa, li te vin gen ògèy nan kè l, e sa te lakòz malè tonbe sou li.” Jewova te deja fè konnen se prèt yo sèlman ki gen dwa ofri lansan nan tanp lan. Men, wa Ozyas te pran dwa ki pa t pou li lè l te antre nan tanp lan pou l ofri lansan. Jewova pa t kontan ak sa mesye sa a ki te vin gen ògèy te fè a, e li te lage maladi lèp sou li (2 Kwo. 26:16-21). Èske ògèy ka vin yon pyèj pou nou, menm jan l te vin yon pyèj pou wa Ozyas? Wi, sa ka rive, si nou panse ak tèt nou sèlman. Nou bezwen sonje kèlkeswa kapasite nou genyen ak privilèj nou gen nan kongregasyon an, se Jewova ki ban nou yo (1 Kor. 4:7). Si nou gen ògèy, Jewova pap itilize nou. w21.06 16 § 7-8.

Mèkredi 4 oktòb

Pa rejwi poutèt espri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan syèl la. — Lik 10:20.

Jezi te konnen disip li yo pa t ap toujou fè bèl eksperyans nan travay fè disip la. Anfèt, nou pa konn konbyen nan moun sa yo ki te tande disip yo ki te vin kretyen. Disip yo te bezwen konprann lajwa yo pa depann de rezilta yo jwenn, men, sa k te dwe pi enpòtan pou yo se lefètke yo konnen Jewova kontan wè efò y ap fè. Si nou pèsevere nan travay fè disip la, n ap gen lavi ki pap janm fini an. Pandan n ap fè tout sa nou kapab pou nou preche moun yo bon nouvèl la e pou nou anseye yo, nou “simen pou lespri a” lè nou kite lespri sen Bondye aji nan lavi nou. Depi nou pa “sispann fè sa ki byen” oswa “nou pa kite fatig pote n ale”, Jewova ban nou garanti n ap gen lavi ki pap janm fini an, menmsi nou pa rive ede yon moun n ap etidye Labib avè l vwe Bondye lavi l. — Gal. 6:7-9. w21.10 26 § 8-9.

Jedi 5 oktòb

Li vin gen pitye pou yo [...]. Epi, li kòmanse anseye yo anpil bagay. — Mak 6:34.

Yon lè, Jezi ak disip li yo te fatige anpil apre yo te fin fè yon bon valè tan ap preche. Yo te bezwen yon kote pou yo repoze, men, yon gwo foul moun te jwenn yo. Piske Jezi te gen pitye pou yo, li te kòmanse anseye yo “anpil bagay”. Jezi te mete l nan plas moun ki te nan foul la. Li te vle ede yo paske li te wè jan yo t ap soufri e jan yo te bezwen jwenn espwa. Jodi a, moun yo nan menm sitiyasyon an, menmsi w wè yo parèt gen kè kontan e yo satisfè ak lavi yo. Yo tankou mouton ki pèdi ki pa gen bèje pou gide yo. Apot Pòl di moun ki nan sitiyasyon sa a pa konnen Bondye e yo pa gen esperans (Efe. 2:12). Lè n reflechi sou jan moun nan tèritwa nou yo bezwen konnen Bondye, lanmou ak konpasyon nou gen pou yo ap pouse nou ede yo. E pi bon fason nou kapab ede yo se lè nou ofri yo pou nou etidye Labib avèk yo. w21.07 5 § 8.

Vandredi 6 oktòb

Pinga nou chèche pase pou pi bon [...], e pou youn ap rayi sò lòt. — Gal. 5:26.

Yon moun k ap chèche pase pou pi bon se yon moun ki gen ògèy e ki egoyis. Yon moun ki rayi sò lòt moun se yon moun nonsèlman ki anvi sa yon lòt moun genyen, men tou, ki vle pran sa moun nan genyen. Vrèmanvre, lè yon moun rayi sò yon lòt moun, se moun nan li rayi. Nou kapab konpare yon moun k ap chèche pase pou pi bon e ki rayi sò lòt moun ak mit k ap wonyen bwa travès ki nan yon tèt kay tòl. Tèt kay la mèt parèt bèl, rive yon lè, l ap tonbe. Menm jan an tou, yon moun ka gen yon bon bout tan depi l ap sèvi Jewova, men, si l ap chèche pase pou pi bon e li rayi sò lòt moun, l ap tonbe (Pwo. 16:18). L ap sispann sèvi Jewova. Nonsèlman l ap soufri, men l ap fè lòt moun soufri tou. Nou kapab konbat tandans nou gen lakay nou pou n nan chèche pase pou pi bon lè n toujou sonje konsèy sa a apot Pòl te bay la: “Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” — Flp. 2:3. w21.07 15-16 § 6-8.

Samdi 7 oktòb

Bon nouvèl n ap preche a pa t rive lakay nou ak pawòl sèlman, men li te rive tou avèk pisans, avèk lespri sen e avèk fèm konviksyon. — 1 Tes. 1:5.

Gen moun ki panse vrè relijyon an dwe gen repons pou tout kesyon, menm kesyon Bib la pa di anyen sou yo. Èske li rezonab pou yo panse konsa? Ann pran egzanp Pòl. Li te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo “verifye tout bagay”, men tou, li te admèt gen anpil bagay li pa t konprann (1 Tes. 5:21). Men sa l te ekri: “Nou gen yon konesans ki pa konplè.” Apre sa li te di: “Nou pa wè klè, se kòmsi se nan yon glas an metal n ap gade.” ​(1 Kor. 13:9, 12). Pòl pa t konprann tout bagay, ni nou menm tou. Men, li te gen yon ide jeneral sou objektif Jewova genyen yo. Sa l te konnen yo te sifi pou l te gen konviksyon li nan laverite! Youn nan fason nou kapab vin gen plis konviksyon nou nan laverite se lè nou konpare egzanp Jezi te bay sou fason pou nou adore Jewova ak fason Temwen Jewova yo ap fè sa jodi a. w21.10 18-19 § 2-4.

Dimanch 8 oktòb

Apre l fin gen 50 an, li pa dwe nan gwoup la. — Nonb 8:25.

Frè ak sè ki granmoun yo, gen anpil bagay nou kapab fè pou nou ede lòt moun, kit nou nan sèvis aplentan, kit nou pa nan sèvis aplentan. Ki jan nou kapab fè sa? Aprann adapte n lè sitiyasyon n chanje, chèche gen lòt objektif, epi konsantre sou sa nou ka fè olye nou konsantre sou sa nou pa ka fè. Wa David te vrèman anvi fè yon kay pou Jewova. Men, lè Jewova te vin fè l konnen se Salomon, ki te yon jèn gason, li t ap bay fè travay sa a, David te aksepte desizyon Jewova te pran an e li te soutni pwojè a ak tou kè l (1 Kwo. 17:4; 22:5). David pa t met nan tèt li se li menm ki kapab fè travay sa a paske Salomon te “jèn e li pa [t] gen eksperyans”. (1 Kwo. 29:1.) David te konnen se grasa èd Jewova pwojè konstriksyon an t ap reyisi, men, se pa t laj oswa eksperyans moun ki te alatèt yo ki t ap fè sa mache. Menm jan ak David, jodi a, moun ki granmoun yo kontinye fè anpil efò nan sèvis Jewova a, menm lè yo ba yo yon lòt travay pou yo fè. Yo konnen Jewova ap beni jèn k ap fè travay yo te konn fè yo. w21.09 9 § 4; 10 § 5, 8.

Lendi 9 oktòb

L ap montre moun ki gen imilite yo sa ki dwat, l ap aprann yo chemen l yo. — Sòm 25:9.

Lè nou gen objektif nan sèvis n ap bay Jewova a, sa fè nou konn ki sa nou vle fè ak lavi nou e sa bay lavi nou yon sans. Sepandan, sa k pi enpòtan, se chèche gen objektif nou kapab reyalize selon kapasite nou ak sitiyasyon nou, men se pa chèche reyalize objektif lòt moun genyen. Si nou ta fè sa, se desepsyon ak dekourajman nou t ap jwenn (Lik 14:28). Piske w ap sèvi Jewova, ou gen anpil valè antanke moun ki fè pati fanmi l, e pa gen okenn lòt moun ki menm jan avè w. Jewova pa t rale w vin jwenn li paske l te wè w pi bon pase lòt moun. Li te rale w vin jwenn li paske li te wè kè w e li te wè ou se yon moun ki gen imilite, ki dispoze aprann nan menvl e ki vle chanje. Ou mèt gen asirans Jewova kontan lè w fè tout sa w kapab pou w sèvi l. Andirans ou ak fidelite w montre aklè ou gen “yon kè ki pwòp e ki bon”. (Lik 8:15.) Kidonk, kontinye bay Jewova sa w genyen ki pi bon an. Konsa, w ap gen bonjan rezon pou w rejwi “parapò ak tèt [ou] sèlman”. — Gal. 6:4. w21.07 24 § 15; 25 § 20.

Madi 10 oktòb

Kèlkeswa moun ki fè yon moun ki te peche retounen sot nan move chemen l ye a ap sove moun sa a. — Jak 5:20.

Souvan, n ap bezwen tann avèk pasyans pou n jwenn jistis. Pa egzanp, lè ansyen yo vin aprann gen yon moun nan kongregasyon an ki fè yon peche grav, yo priye Jewova pou yo chèche gen “sajès ki sot anwo a” pou yo ka rive wè sitiyasyon an jan Jewova wè l la (Jak 3:17). Objektif yo se ede moun ki peche a “sot nan move chemen l ye a”. (Jak 5:19, 20.) Yo vle fè tout sa yo kapab tou pou yo pwoteje kongregasyon an e pou yo konsole moun k ap soufri akoz sa k rive a (2 Kor. 1:3, 4). E lè ansyen yo aprann gen yon moun ki fè yon peche grav, toudabò, yo dwe chèche gen tout enfòmasyon yo, e sa ka pran tan. Apre sa, yo priye, yo sèvi ak Ekriti yo pou yo bay moun nan bonjan konsèy, e yo ba l disiplin nan “degre [li] merite a”. (Jer. 30:11.) Ansyen yo pap kouri pran yon desizyon nonplis. Lè ansyen yo rezoud pwoblèm yo jan Jewova vle a, sa bon pou tout kongregasyon an. w21.08 11 § 12-13.

Mèkredi 11 oktòb

Kote w ale se la m prale [...]. Pèp ou a ap pèp mwen, e Bondye w la ap Bondye m. — Rit 1:16.

Akoz yon gwo grangou ki te gen ann Izrayèl, Nawomi, mari Nawomi ak de pitit gason yo te genyen yo t al viv Mowab. Pandan yo Mowab, mari Nawomi mouri. De pitit gason l yo te vin marye, men, malerezman yo te mouri tou (Rit 1:3-5). Malè sa yo te fè Nawomi vin pi dekouraje toujou. Li te vin tèlman dekouraje, li te panse Jewova te kont li. Men sa l te di: “Jewova vire kont mwen.” “Toupisan an fè lavi a vin anmè anpil pou mwen.” Li te di tou: “Se Jewova ki kont mwen, se Toupisan an ki lage m nan pwoblèm.” ​(Rit 1:13, 20, 21). Jewova konprann, “lè yon moun ki gen sajès anba presyon, sa ka fè l pèdi tèt li”. (Ekl. 7:7.) Li te pouse Rit demontre lanmou fidèl pou Nawomi. Piske Rit te renmen bèlmè l, li te dispoze ede l pou l pa t dekouraje nèt e pou l te ka sonje Jewova toujou renmen l. w21.11 9 § 9; 10 § 10, 13.

Jedi 12 oktòb

Kontinye mande Bondye. — Jak 1:5.

Lè nou konsantre sou sèvis n ap bay Jewova kounye a, èske sa vle di nou dwe sispann chèche jwenn lòt fason pou nou fè plis nan sèvis li? Non, sa pa vle di sa! Nou ta dwe fikse yon seri objektif k ap ede nou kontinye fè efò pou n vin pi maton nan travay preche ak anseye a e k ap itil frè n ak sè n yo. N ap rive reyalize objektif sa yo si nou chèche ede lòt moun olye n panse ak tèt nou sèlman, toutpandan n ap montre nou gen sajès e nou rekonèt limit nou (Pwo. 11:2; Tra. 20:35). Ki objektif ou ka chèche genyen? Priye Jewova pou l ede w wè ki objektif w ap kapab reyalize (Pwo. 16:3). Èske w ka chèche reyalize objektif pou w vin pyonye oksilyè oswa pyonye pèmanan, sèvi nan Betèl, oubyen patisipe nan pwojè konstriksyon òganizasyon an ap fè? Oswa petèt ou ka aprann yon lòt lang pou w simaye bon nouvèl la, oubyen ou ka menm al preche nan yon lòt tèritwa. w21.08 23 § 14-15.

Vandredi 13 oktòb

Lanmou fidèl [Jewova] genyen an ap la pou toutan. — Sòm 136:1.

Lanmou fidèl enpòtan anpil pou Jewova (Oze 6:6). Pa mwayen pwofèt Miche, Bondye nou an mande nou pou nou “renmen lanmou ki fidèl”. (Miche 6:8, nòt.) Sepandan, anvan nou fè sa, nou bezwen konnen ki sa lanmou fidèl ye. Ki sa lanmou fidèl ye? Ekspresyon “lanmou fidèl” oswa “lanmou ki fidèl” parèt anviwon 230 fwa nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a. Ki sa l ye? Selon “Lis mo yo esplike yo” nou jwenn nan tradiksyon Labib sa a, li fè referans ak “angajman, entegrite, fidelite ak gwo atachman ki fè yon moun montre lanmou sa a. Byen souvan, yo sèvi ak ekspresyon sa a pou pale de lanmou Bondye gen pou lèzòm, men, yo itilize l tou pou pale de lanmou moun gen pou moun”. Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan demontre lanmou fidèl. Nou konprann rezon ki fè wa David te di: “O Jewova, lanmou fidèl ou genyen an rive jis nan syèl la, [...] O Bondye, lanmou fidèl ou genyen an se gwo zafè!” ​(Sòm 36:5, 7). Menm jan ak David, èske lanmou fidèl Bondye genyen an enpòtan anpil pou nou? w21.11 2 § 1-2; 3 § 4.

Samdi 14 oktòb

Kidonk, men ki jan nou dwe priye: “Papa nou ki nan syèl la.” — Mat. 6:9.

Pami adoratè Jewova yo ki fè pati fanmi l, nou jwenn Jezi, li menm ki “fèt an premye nan tout kreyasyon an”, ak yon pakèt zanj (Kol. 1:15; Sòm 103:20). Lè Jezi te sou tè a, li te fè konnen moun ki fidèl yo kapab rele Jewova Papa. Lè Jezi t ap pale ak disip li yo li te fè yo konnen Jewova se ‘Papa l e se Papa yo tou’. (Jan 20:17.) E lè nou vwe Jewova lavi nou e nou batize, nou vin fè pati yon fanmi frè ak sè ki gen lanmou (Mak 10:29, 30). Jewova se yon Papa ki gen lanmou. Jezi vle nou wè Jewova menm jan avè l, tankou yon paran ki gen afeksyon e ki gen lanmou ki fasil pou w pale avè l, men, ki pa annik la pou pase lòd. Li te kòmanse priyè li te bay kòm modèl la ak pawòl ki vin annapre a: “Papa nou.” Jezi te ka di nou pou nou rele Jewova “Toupisan an”, “Kreyatè” a oswa “Wa letènite a”, e li t ap gen rezon paske tout tit sa yo nan Bib la (Jen. 49:25; Eza. 40:28; 1 Tim. 1:17). Okontrè, Jezi te di pou nou rele Jewova “Papa”. w21.09 20 § 1, 3.

Dimanch 15 oktòb

Manase te vin konnen se Jewova ki vrè Dye a. — 2 Kwo. 33:13.

Manase te refize koute avètisman Jewova te ba l pa mwayen pwofèt Li yo. Finalman, “Jewova te fè chèf nan lame wa Asiri a vin atake [Jida]. Yo te pran Manase ak kwòk, yo mete de sèp an kuiv nan pye l epi yo mennen l Babilòn”. Pandan Manase te nan prizon Babilòn, yon peyi etranje, sanble li te reflechi anpil sou sa l te fè yo. Li “te kontinye imilye tèt li anpil devan Bondye zansèt li yo”. Li te menm fè plis pase sa. “Li te sipliye Jewova, Bondye l la, pou l gen pitye pou li.” Manase te “kontinye priye Bondye”. (2 Kwo. 33:10-12). Rive yon lè, Jewova te reponn priyè Manase. Li te wè kè mesye sa a chanje, jan sa te parèt nan priyè l te fè yo. Jewova te tande Manase lè l te mande padon, e Li te fè l vin wa ankò. Manase te fè tout sa l kapab pou l montre li te repanti toutbon. w21.10 4 § 10-11.

Lendi 16 oktòb

De pi bon pase youn, piske yo gen yon bon rekonpans pou travay di yo fè. — Ekl. 4:9.

Prisil ak Akila te oblije kite yon zòn yo te byen konnen, yo t al viv nan yon lòt kay, e yo te rekòmanse biznis tant yo a yon lòt kote. Lè Akila ak Prisil t al viv nan vil Korent, yo te ede kongregasyon ki te nan zòn sa a, e yo te kolabore ak apot Pòl pou fòtifye frè yo. Annapre, yo t al viv nan lòt vil kote yo te bezwen plis moun pou preche (Tra. 18:18-21; Wom. 16:3-5). Yo dwe te gen anpil aktivite pou yo fè, e se sèten yo te satisfè ak lavi yo t ap mennen an! Jodi a moun ki marye yo kapab bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo, menm jan ak Prisil ak Akila. Pi bon lè pou yo pale sou objektif yo nan lavi a se lè yo renmen. Lè de moun ki marye pran desizyon ansanm e yo fè efò pou yo reyalize objektif yo genyen nan sèvis Jewova a, sa ba yo plis posiblite pou yo wè Jewova k ap ede yo nan lavi yo. — Ekl. 4:12. w21.11 17 § 11-12.

Madi 17 oktòb

Nou chak dwe respekte manman nou ak papa nou [...]. Mwen se Jewova, Bondye nou an. — Lev. 19:3.

Sa klè, li enpòtan pou nou obeyi lòd Bondye bay pou nou onore paran nou. N ap sonje lòd nou jwenn nan Levitik 19:3 a vin tousuit apre deklarasyon ki di: “Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen sen.” ​(Lev. 19:2). Lè n ap reflechi sou kòmandman Jewova bay pou nou onore paran nou, nou ta ka mande tèt nou: ‘Èske m fè sa?’ Si w santi w te dwe fè plis efò, ou ka pran desizyon pou w fè kèk chanjman kounye a. Ou pa ka chanje sa k fin fèt la, men, ou ka fè tout sa w kapab kounye a pou w fè plis aktivite ansanm ak paran w e pou w ede yo plis. Petèt, ou ka chèche okazyon pou w pase plis tan ak yo. Oswa, ou kapab ba yo plis èd materyèl, ou ka ede yo pou yo rete pwòch ak Jewova, oubyen ou ka ba yo plis ankourajman. Lè w fè sa, w ap obeyi sa ki di nan tèks pou jounen an. w21.12 4-5 § 10-12.

Mèkredi 18 oktòb

Sispann jije. — Mat. 7:1.

Wa David, te fè plizyè peche grav. Pa egzanp, wa David te fè adiltè ak Batcheba, e li te menm fè touye mari l (2 Sam. 11:2-4, 14, 15, 24). Sa David te fè a te lakòz ni li menm ni fanmi l soufri, san wete lòt madanm li te genyen yo (2 Sam. 12:10, 11). Yon lòt lè, David pa t montre li te met tout konfyans li nan Jewova lè l te bay lòd pou yo konte kantite moun ki te nan lame Izrayèl la, alòske Jewova pa t janm mande l fè sa. Ki sa k te vin pase? Maladi te touye anviwon 70 000 Izrayelit (2 Sam. 24:1-4, 10-15)! Èske w t ap kouri jije David kòmkwa li pa merite pou Jewova fè l mizèrikòd? Se pa konsa Jewova te wè l. Li te konsantre l sou jan David te montre l fidèl pandan tout vi l ak jan li te montre li te repanti ak tout kè l. Se sa k fè Jewova te padone David pou peche grav li te fè yo. Jewova te konnen David renmen l anpil, e li te konnen tou David te vle fè sa ki dwat. Èske w pa kontan dèske Bondye nou an konsantre l sou sa ki bon nou gen lakay nou? — 1 Wa 9:4; 1 Kwo. 29:10, 17. w21.12 19 § 11-13.

Jedi 19 oktòb

Menm kote a, mesye a vin wè ankò, epi li kòmanse suiv Jezi, toutpandan l ap bay Bondye glwa. — Lik 18:43.

Jezi te gen konpasyon pou moun ki andikape. Sonje sa l te voye di Jan ki te konn batize moun nan: “Moun avèg wè, moun enfim mache, moun ki gen lèp geri, moun soud tande, moun mouri leve.” Apre moun yo te fin wè mirak Jezi te fè yo, yo “tout [te] bay Bondye louwanj”. (Lik 7:20-22.) Kretyen yo kontan imite fason Jezi te demontre konpasyon pou moun ki andikape. Se sa k fè nou janti ak moun sa yo, nou pran ka yo e nou pran pasyans ak yo. Se sèten, Jewova pa ban nou pouvwa pou n fè mirak, men nou gen privilèj pou n anonse moun ki avèg toutbon oswa moun ki pa wè, paske yo pa konprann sa Bondye vle yo fè, bon nouvèl konsènan yon paradi kote tout moun ap vin pafè e y ap gen bon relasyon ak Bondye (Lik 4:18). Bon nouvèl sa a deja ede anpil moun bay Bondye louwanj. w21.12 9 § 5.

Vandredi 20 oktòb

Nou tande pale de andirans Jòb, e nou wè ki jan Jewova te fè bagay yo fini pou li. — Jak 5:11.

Jak te konn sèvi ak Ekriti yo lè l ap anseye. Li te konn sèvi ak Pawòl Bondye a pou ede moun ki t ap koute l yo konprann Jewova toujou rekonpanse moun ki fidèl avè L menm jan ak Jòb. Pou Jak te anseye leson sa a, li te sèvi ak mo ki senp e li te fè sa yon fason ki lojik. Konsa, li te atire atansyon sou Jewova, li pa t atire atansyon sou tèt li. Leson nou aprann: Preche yon fason ki senp, epi sèvi ak Pawòl Bondye a lè w ap anseye. Lè n ap anseye moun yo, nou pa dwe ap chèche montre yo nou konn anpil bagay. Men, nou dwe montre yo jan Jewova gen anpil konesans ak jan l gen sousi pou yo (Wom. 11:33). Nou ka rive fè sa lè nou toujou sèvi ak Ekriti yo pou kore sa n ap di. Pa egzanp, olye pou n di etidyan nou yo ki sa nou t ap fè si nou te nan plas yo, nou ta dwe ede yo rezone sou egzanp ki nan Bib la epi ede yo konprann fason Jewova panse ak fason l santi l. Lè sa a, y ap anvi fè Jewova plezi olye yo fè nou plezi. w22.01 11 § 9-10.

Samdi 21 oktòb

Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou. — Lev. 19:18.

Se vre Bondye di n pou n pa fè lòt moun mal, men li mande n plis pase sa. Yon kretyen ki vle fè Bondye plezi dwe renmen pwochen menm jan li renmen tèt li. Ann wè ki jan Jezi te montre jan kòmandman ki nan Levitik 19:18 la enpòtan anpil. Yon lè, gen yon Farizyen ki te mande Jezi: “Ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa?” Jezi te di: “Pi gwo kòmandman an, e se premye a”: nou dwe renmen Jewova ak tout kè nou, ak tout nanm nou, e ak tout lespri nou. Annapre, Jezi te site Levitik 19:18, li te di: “Men dezyèm nan, ki menm jan avè l: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’” ​(Mat. 22:35-40). Gen plizyè fason pou n montre nou renmen pwochen nou. Youn nan fason nou ka fè sa, se lè nou aplike konsèy nou jwenn nan Levitik 19:18 la. Men sa l di: “Nou pa dwe tire revanj, ni nou pa dwe kenbe yon moun [...] sou kè.” w21.12 10-11 § 11-13.

Dimanch 22 oktòb

Lè l ap gade jan van an fò, li vin pè, e lè l kòmanse koule, li rele: “Seyè, sove m!” — Mat. 14:30.

Jezi te lonje men l e li te sove l. Li enpòtan pou n sonje, apot Pyè te kapab mache sou lanmè a ki te move toutotan li te kontinye ap gade Jezi. Men, lè Pyè t ap gade jan van an fò, li te vin pè anpil e li te vin gen dout, epi li te kòmanse koule (Mat. 14:24-31). Gen yon bagay nou kapab aprann nan egzanp Pyè. Lè Pyè te sot nan bato a e li te kòmanse mache sou lanmè a, li pa t panse li t ap vin panike e li t ap kòmanse koule. Li te vle kontinye mache sou lanmè a jiskaske l rive kot Jezi. Men, kòm li pa t kontinye gade Jezi, li pa t rive fè sa. Se vre, jodi a nou pa ka mache sou dlo, men, nou jwenn yon seri pwoblèm ki pase lafwa nou anba eprèv. Si n ta sispann met konfyans nou nan Jewova ak nan pwomès li yo, lafwa nou t ap vin fèb, se kòmsi li t ap fè fon anba tètchaje. Kidonk, kèlkeswa pwoblèm nou jwenn nan lavi nou ki tankou tanpèt, nou dwe kontinye met konfyans nou nan Jewova e nou dwe toujou kwè li kapab ede n. w21.12 17-18 § 6-7.

Lendi 23 oktòb

M ap vin lakay ou poutèt lanmou fidèl ou genyen an. — Sòm 5:7.

Lè n priye, lè n etidye ak lè n medite, sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Lè n ap priye, se pale n ap pale ak Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou anpil. Lè nou etidye Bib la, nou vin gen “konesans sou Bondye”, Sila a ki gen plis sajès la (Pwo. 2:1-5). Lè n ap medite, n ap panse ak bèl pèsonalite Jewova genyen an, ak bèl kalite l yo, e sa fè nou sonje bèl bagay li vle fè pou nou e pou tout limanite. Èske w ka reflechi pou w wè ki pi bon fason pou w sèvi ak tan w? Sepandan, ki sa k ap ede n pi byen pwofite tan nou genyen an ki deja pa anpil? Si sa posib, chèche jwenn yon kote ki pa gen bri. Ann pran egzanp Jezi. Anvan l te kòmanse sèvis li sou tè a, li te pase 40 jou nan dezè a (Lik 4:1, 2). Pandan Jezi te nan zòn sa a ki te byen trankil, li te kapab priye Jewova e li te kapab medite sou sa Papa l te vle l fè. Pa gen dout, lefètke Jezi te fè sa, sa te prepare l pou eprèv li t apral jwenn pi devan. w22.01 27-28 § 7-8.

Madi 24 oktòb

Bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy. — Pwo. 15:22.

Yon ansyen oswa yon lòt frè ki kalifye ka fè n wè yon bagay nou bezwen travay sou li. Si yon moun ki renmen nou ban nou yon konsèy ki baze sou Bib la, nou ta dwe koute konsèy li ban nou an e nou fè sa l di a. An reyalite, nou ka twouve l difisil anpil pou n aksepte konsèy ki dirèk. Nou ka menm fache. Sa k fè sa? Byenke nou pa gen pwoblèm pou n admèt nou enpafè, nou ka twouve l difisil pou n aksepte konsèy lè yon moun atire atansyon n sou yon defo nou genyen (Ekl. 7:9). Nou ka menm ap defann tèt nou. Nou ka gen dout sou rezon ki pouse moun nan ban n konsèy la oswa nou ka fache pou fason li ban n konsèy la. Nou ka menm kritike moun ki ban n konsèy la, lè n di: ‘Ki dwa l pou l ban m konsèy? Li pa pi bon pase m!’ Epitou, si nou pa renmen konsèy nou jwenn nan, nou ta ka annik pa okipe l, oswa nou ta ka al mande yon moun nou espere k ap di nou sa nou ta renmen tande a. w22.02 8-9 § 2-4.

Mèkredi 25 oktòb

Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou. — Eza. 30:15.

Èske nan monn nouvo a nou ta kapab jwenn kèk difikilte ki ta ka teste konfyans nou genyen nan fason Jewova aji? Pa egzanp, ann wè sa k te rive yon ti tan apre Izrayelit yo te sot nan esklavaj nan peyi Ejip. Kèk ladan yo te kòmanse plenyen paske yo te sonje bon manje yo te konn manje, e yo te meprize lamàn Jewova te ba yo a (Nonb 11:4-6; 21:5). Èske menm bagay la ka rive nou apre gwo tribilasyon an? Nou pa konn ki kantite travay n ap gen pou n fè pou n netwaye tè a e pou n fè l vin yon paradi tikras pa tikras. Sandout, nou pral gen anpil travay pou n fè, e lavi a ka pa fasil okòmansman. Èske n ap tonbe plenyen pou sa Jewova ban nou lè sa a? Yon bagay ki sèten, sèke plis nou gen rekonesans pou sa Jewova ban nou kounye a, se plis n ap gen rekonesans pou sa l pral ban nou lè sa a. w22.02 7 § 18-19.

Jedi 26 oktòb

[Y] ap kenbe wòb long yon Juif [...] byen di, epi y ap di: “Nou vle ale avèk nou.” — Zak. 8:23.

Ekspresyon “yon Juif” la ak mo “nou” an nou jwenn nan pwofesi ki nan Zakari 8:23 a fè referans ak menm gwoup moun nan, anpalan de rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo (Wom. 2:28, 29). “Dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale a” reprezante lòt mouton yo. Yo ‘kenbe moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo byen di’, sa vle di yo atache avèk yo fidèlman, lè yo patisipe nan vrè adorasyon an ansanm avèk yo. Menm jan an tou, Jewova te reyalize pwofesi nou jwenn nan Ezekyèl 37:15-19, 24, 25 lè l fè moun li chwazi pou al nan syèl yo ak lòt mouton yo gen yon tèt ansanm ki pa ka kraze. Pwofesi sa a pale konsènan de bout bwa. Moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl yo tankou bout bwa ki “pou Jida” a (anpalan de tribi kote yo chwazi wa Izrayèl yo), e moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a tankou bout bwa “Efrayim nan”. Jewova t ap met de gwoup sa yo ansanm pou yo ka vin “yon sèl bout bwa”. Sa vle di yo t ap travay nan tèt ansanm anba direksyon Kris Jezi, sèl Wa yo genyen an. — Jan 10:16. w22.01 22 § 9-10.

Vandredi 27 oktòb

Fè atansyon pou se pa devan lèzòm n ap pratike sa ki jis, nan entansyon pou nou fè yo wè nou. — Mat. 6:1.

Jezi te pale konsènan moun k ap fè pòv charite, men, yo fè yon jan pou lòt moun ka wè sa y ap fè a. Swadizan bon aksyon sa yo pa gen okenn valè pou Jewova (Mat. 6:2-4). N ap montre nou gen bonte toutbon lè se pa egoyis ki pouse nou fè yon bon aksyon. Donk, ou ka mande tèt ou: ‘Se vre m konnen pou m fè sa ki bon, men, èske m fè sa? Ki sa k pouse m fè bon aksyon?’ Jewova se yon Bondye ki konn aji, e lespri l se yon fòs k ap aji (Jen. 1:2). Donk, chak aspè nan fwi lespri a kapab pouse n aji, e yo dwe pouse n aji. Pa egzanp, men sa disip Jak te ekri: “Lafwa ki pa gen bon aksyon mache avè l la mouri.” ​(Jak 2:26). Nou kapab di menm bagay la pou tout lòt aspè nan fwi lespri Bondye a. Chak fwa nou demontre yo, nou montre aklè lespri Bondye ap aji nan nou. w22.03 11-12 § 14-16.

Samdi 28 oktòb

Se pou nou vin sen nan tout konduit nou menm jan ak Bondye ki sen an ki rele nou an. — 1 Pyè 1:15.

Nou gendwa fè anpil bagay nan sèvis n ap bay Jewova a e nou gendwa fè anpil bèl aksyon. Sepandan, Pyè te pale konsènan yon bagay ki enpòtan anpil. Anvan menm Pyè te ankouraje n pou n vin sen nan tout konduit nou, li te di: “Prepare lespri nou pou nou aji.” ​(1 Pyè 1:13). Konsènan ki aktivite Pyè t ap pale? Li te di frè Kris yo Bondye chwazi pou al nan syèl t ap “‘fè konnen kalite estrawòdinè’ Sila a ki te rele” yo a (1 Pyè 2:9). Anfèt, jodi a, tout kretyen gen privilèj pou yo patisipe nan travay ki pi enpòtan k ap fèt la, anpalan de travay ki fè moun jwenn plis byenfè a. Se yon privilèj espesyal nou genyen antanke yon pèp ki sen pou n patisipe regilyèman nan travay preche ak anseye a ak tout kè nou (Mak 13:10)! Lè nou fè tout sa n kapab pou n aplike prensip sa yo, nou montre aklè nou renmen Bondye nou an e nou renmen pwochen nou. Epitou, nou montre nou vle “vin sen” nan tout konduit nou. w21.12 13 18.

Dimanch 29 oktòb

Si nou padone yon moun pou yon bagay, mwen menm tou, mwen padone l. — 2 Kor. 2:10.

Apot Pòl te toujou wè frè l ak sè l yo yon fason pozitif. Li te ka wè diferans ki genyen ant lè yon moun gen move konduit ak lè yon moun se yon move moun. Li te renmen frè l ak sè l yo e li te konsantre sou bèl kalite yo genyen. Lè yo tvap lite pou yo fè sa ki dwat, li te pito kwè yo vle fè sa ki bon e yo te jis bezwen èd. Ann wè ki jan Pòl te ede de sè nan kongregasyon Filip (Flp. 4:1-3). Sanble Evodi ak Sentich pa t antann yo, e sa te vin fè yo pa t zanmi ankò. Pòl pa t aji di ak yo ni l pa t kritike yo. Li te konsantre sou bèl kalite yo genyen. De sè sa yo te fidèl e yo te gen lontan depi yo t ap sèvi Jewova. Pòl te konnen Jewova te renmen yo. Bon bagay Pòl te di konsènan sè sa yo te ankouraje yo rezoud pwoblèm yo te genyen. Piske Pòl te konsantre sou bèl kalite lòt moun genyen, sa te ede l kontinye gen kè kontan epi gen bon relasyon ak moun nan kongregasyon sa a. w22.03 30 § 16-18.

Lendi 30 oktòb

Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki gen lespri yo kraze. — Sòm 34:18.

Lapè Jewova bay la fè kè nou anpè e li fè nou reflechi yon fason ki klè. Ann wè ki jan yon sè ki rele Luz te viv sa. Men sa l di: “Souvan, mwen konn santi m poukò m. Pafwa santiman sa yo konn fè m panse Jewova pa renmen m. Lè konsa, mwen priye Jewova tousuit pou m di l jan m santi m. Lè m priye, mwen santi m pi byen.” Jan eksperyans sè a fè a montre sa, lapriyè kapab fè n jwenn lapè (Flp. 4:6, 7). Nou konnen Jewova ak Jezi ap ede nou lè n gen yon moun pa nou ki mouri. Sa ankouraje nou pou n montre nou gen pitye pou moun n ap preche e n ap anseye yo paske Jewova Dye ak Jezi Kris montre yo gen bèl kalite sa a. E nou jwenn konsolasyon lefètke nou konnen Jewova ak Pitit Gason l lan Li renmen anpil la konprann feblès nou e yo vle ede n andire. N ap tann moman kote Jewova pral “siye tout dlo nan je” nou! — Rev. 21:4. w22.01 15 § 7; 19 § 19-20.

Madi 31 oktòb

Pase nan pòt ki jis la. Paske, pòt ki mennen nan destriksyon an se yon pòt ki laj, e wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki gran, e anpil moun pase ladan l. — Mat. 7:13.

Remake Jezi te pale konsènan de pòt ki mennen nan de wout diferan. Yon wout ki “gran” ak yon wout ki “jennen”. (Mat. 7:14.) Li pa t pale konsènan yon twazyèm wout. Se nou menm ki dwe chwazi nan ki wout n ap mache. Se desizyon ki pi enpòtan nou gen pou n pran, paske se yon sèl wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an. Anpil moun ap mache nan wout ki “gran” an paske li fasil pou yo mache ladan l. Malerezman, anpil moun chwazi kontinye mache nan wout sa a e yo chwazi fè sa tout lòt moun ap fè. Yo pa rive konprann se Satan Ledyab k ap ankouraje moun mache nan wout sa a, e se destriksyon k ap tann yo (1 Kor. 6:9, 10; 1 Jan 5:19). Kontrèman ak wout ki “gran” an, lòt wout la “jennen”, e Jezi te di se kèk grenn moun ki rive jwenn li. Sa k fè sa? Li enteresan pou n wè, nan vèsè ki vin annapre a, Jezi te avèti disip li yo kont fo pwofèt. — Mat. 7:15. w21.12 22-23 § 3-5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje