BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es24 p. 27-37
  • Mas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mas
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
  • Soutit
  • Vandredi 1ye mas
  • Samdi 2 mas
  • Dimanch 3 mas
  • Lendi 4 mas
  • Madi 5 mas
  • Mèkredi 6 mas
  • Jedi 7 mas
  • Vandredi 8 mas
  • Samdi 9 mas
  • Dimanch 10 mas
  • Lendi 11 mas
  • Madi 12 mas
  • Mèkredi 13 mas
  • Jedi 14 mas
  • Vandredi 15 mas
  • Samdi 16 mas
  • Dimanch 17 mas
  • Lendi 18 mas
  • Madi 19 mas
  • Mèkredi 20 mas
  • Jedi 21 mas
  • Vandredi 22 mas
  • Samdi 23 mas
  • DAT MEMORYAL LA
    Apre solèy la fin kouche
    Dimanch 24 mas
  • Lendi 25 mas
  • Madi 26 mas
  • Mèkredi 27 mas
  • Jedi 28 mas
  • Vandredi 29 mas
  • Samdi 30 mas
  • Dimanch 31 mas
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
es24 p. 27-37

Mas

Vandredi 1ye mas

Poukisa w ap vante tèt ou? — 1 Kor. 4:7.

Apot Pyè te ankouraje frè l ak sè l yo pou yo itilize kèlkeswa don ak talan yo genyen pou yo ankouraje kwayan parèy yo. Men sa Pyè te ekri: “Se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun. Konsa, l ap sanble ak moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a.” (1 Pyè 4:10). Nou pa ta dwe pè itilize kapasite n genyen yo paske n panse lòt moun ka fè jalouzi oswa sa ka fè yo dekouraje. Men, nou dwe veye pou n pa vante tèt nou pou yo (1 Kor. 4:6). Nou bezwen sonje se Bondye ki ban nou kèlkeswa kapasite n genyen. Nou ta dwe itilize kapasite n genyen yo pou n ankouraje kongregasyon an, men, nou pa ta dwe itilize yo pou n fè elòj pou tèt nou (Flp. 2:3). Lè n sèvi ak fòs nou ak kapasite nou pou n fè volonte Bondye, n ap gen rezon pou n rejwi. Nou pap rejwi paske nou fè plis pase lòt moun oswa nou vle montre nou pi enpòtan pase yo, men, paske n ap itilize don nou genyen yo pou n fè Jewova jwenn louwanj. w22.04 11-12 § 7-9.

Samdi 2 mas

Ouvri je m pou m ka wè bèl bagay ki gen nan lwa w yo byen klè. — Sòm 119:18.

Jezi te renmen Ekriti sakre yo, e gen yon pwofesi nan Sòm 40:8 ki te anonse enpòtans Ekriti yo t ap gen pou li. Men sa pwofesi a di: “O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. Lwa w yo nan fon kè m.” Se sa k fè li te gen kè kontan e li te reyisi nan sèvis li t ap bay Jewova a. Nou menm tou nou ka gen kè kontan e nou ka reyisi nan sèvis nou si nou li Pawòl Bondye a e nou aprann renmen l (Sòm 1:​1-3). Ann amoni ak sa Jezi te di ak egzanp li te bay, ann chèche amelyore fason n ap li Bib la. N ap pi byen konprann vèsè ki nan Bib la lè n priye, lè n pran san n pou n li, lè n poze kesyon, e lè n pran kèk nòt. Nou ka sèvi ak bon jijman lè n byen egzamine sa n ap li, toutpandan n ap itilize piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la pou ede n. E nou ka kite Pawòl Bondye a touche kè n lè n gen yon bon atitid pandan n ap li. Lè n fè efò pou n fè bagay sa yo n ap pi byen pwofite lekti n ap fè nan Bib la e n ap vin pi pwòch Jewova. — Sòm 119:17; Jak 4:8. w23.02 13 § 15-16.

Dimanch 3 mas

Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li. — Pwo. 21:5.

Chèche gen yon objektif ki byen klè e fè anpil efò pou w reyalize l. Ki jan w ka rive fè sa? Ann sipoze ou ta renmen vin yon pi bon anseyan. Ou ka byen egzamine bwochi Konsantre sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay la. Lè w gen yon patisipasyon nan reyinyon lasemèn nan, ou kapab mande yon frè ki kalifye pou l koute prezantasyon w lan anvan w fè l e pou l ba w konsèy sou fason pou w amelyore. Prepare patisipasyon w lan alavans, konsa lòt moun ap wè ou fè anpil efò e yo ka fè w konfyans (2 Kor. 8:22). Ki sa w ka fè si objektif ou genyen an se pou w vin maton nan yon bagay ou pa alèz ladan l? Pa bay vag! Èske Timote te vin yon moun ki pale byen oswa yon bon anseyan? Bib la pa di anyen sou sa. Men, pa gen dout, Timote te vin fè travay li pi byen paske l te suiv konsèy apot Pòl. — 2 Tim. 3:10. w22.04 24-25 § 8-11.

Lendi 4 mas

Mwen wè yon bèt sovaj k ap monte sot nan lanmè a. Li gen dis kòn ak sèt tèt. — Rev. 13:1.

Ki sa bèt sovaj ki gen sèt tèt la reprezante? Nou remake bèt sa a sanble ak yon leyopa, men, pye l tankou pye yon lous, bouch li tankou bouch yon lyon, e li gen dis kòn. Nou jwenn menm karakteristik sa yo nan kat bèt yo pale de yo nan Dànyèl chapit 7 la. Sepandan, nan liv Revelasyon an, se yon sèl bèt ki gen tout karakteristik sa yo, se pa kat bèt. Bèt sovaj sa a pa reprezante yon sèl gouvènman oswa yon anpi nan monn nan. Apot Jan fè konnen bèt sovaj sa a gen otorite “sou moun tout tribi, tout pèp, tout lang ak tout nasyon”. Donk, sanble li gen plis pouvwa pase kèlkeswa gouvènman an (Rev. 13:7). Se sa k fè bèt sovaj sa a dwe reprezante tout pisans politik ki dirije limanite rive jis jodi a (Ekl. 8:9). Yon lòt bagay ki montre bèt sovaj ki gen sèt tèt la reprezante tout pisans politik yo se paske byen souvan, Bib la sèvi ak chif dis la pou montre yon bagay ki konplè. w22.05 9 § 6.

Madi 5 mas

L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. — Rev. 21:4.

Kiyès ki pral benefisye bon bagay sa yo? Toudabò, gwo foul la k ap pase Amagedon vivan, epitou, timoun ki ka fèt nan monn nouvo a. Men, Revelasyon chapit 20 pwomèt tou mò yo pral resisite (Rev. 20:​11-13). Ni “moun ki jis” ki te fidèl ki mouri nan tan lontan yo, ni “moun ki enjis” ki pa t gen posiblite aprann konnen Jewova yo, yo tout ap retounen viv sou tè a (Tra. 24:15; Jan 5:​28, 29). Èske sa vle di tout moun ki te mouri ap resisite pandan Rèy mil an an? Non. Moun ki te jwenn posiblite pou yo sèvi Jewova anvan yo mouri e ki pa t vle fè sa pap resisite. Yo te jwenn posiblite a, men, yo te montre yo pa merite viv nan Paradi a sou tè a. — Mat. 25:46; 2 Tes. 1:9; Rev. 17:8; 20:15. w22.05 18 § 16-17.

Mèkredi 6 mas

Kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. — Jan 6:68.

Jezi sèvi ak “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l mete yon bèl òganizasyon sou tè a pou soutni vrè adorasyon an (Mat. 24:45). Ki jan w konsidere òganizasyon sa a? Petèt ou panse menm jan ak apot Pyè ki te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Ki kote nou tout t ap ye jodi a si n pa t vin konnen òganizasyon Jewova a? Kris sèvi ak òganizasyon sa a pou l ban nou tout sa n bezwen pou n ret fidèl ak Bondye. Epitou, li ban nou fòmasyon pou n kapab byen fè travay preche ak anseye a. Anplis de sa, li ede n abiye ak “nouvo pèsonalite a” pou n kapab fè Jewova plezi (Efe. 4:24). Jezi ban nou bonjan direksyon nan moman bagay yo difisil anpil. Nou te kapab wè sa aklè lè pandemi COVID-19 la te kòmanse. Pandan anpil moun nan monn nan pa t konn ki sa pou yo fè, Jezi te asire l nou jwenn bonjan enstriksyon pou n kapab pwoteje lavi nou. w22.07 12 § 13-14.

Jedi 7 mas

Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo. — Flp. 1:10.

Jewova te bay Izrayelit nan tan lontan yo lòd pou yo te toujou ap aprann pitit yo konnen l. (Det. 6:​6, 7) Paran sa yo te gen anpil okazyon pandan jounen an pou yo te pale ak pitit yo e pou yo te aprann yo renmen Jewova ak tout kè yo. Pa egzanp, yon tigason izrayelit te ka pase plizyè èdtan ap ede papa l simen semans oswa fè rekòt. Yon lòt bò, sè tigason an te ka pase anpil tan nan jounen an ap ede manman l fè kouti, tise twal epi fè lòt travay nan kay. Pandan paran yo t ap travay ansanm ak pitit yo, yo te ka pale sou anpil bagay enpòtan. Pa egzanp, yo te ka pale sou jan Jewova bon epi reflechi sou fason li ede fanmi an. Nan anpil peyi, paran ak pitit pa ka pase tan ansanm pandan jounen an. Paran yo ka nan travay epi timoun yo lekòl. Se sa k fè, paran yo dwe chèche jwenn tan pou yo pale ak pitit yo. — Efe. 5:​15, 16. w22.05 28 § 10-11.

Vandredi 8 mas

Èske se konnen nou pa konnen moun ki enjis yo pap benefisye Wayòm Bondye a? — 1 Kor. 6:9.

Peche ki grav se lè moun vyole lwa Bondye yo yon fason ki vrèman grav. Si yon kretyen fè yon peche konsa, li dwe priye Jewova Dye sou sa e li dwe al kot ansyen yo nan kongregasyon an (Sòm 32:5; Jak 5:14). Ki responsablite ansyen yo genyen? Se sèlman Jewova ki gen otorite pou l padone peche nèt. Li padone peche nou yo sou baz sakrifis ranson an. Sepandan, Jewova bay ansyen yo responsablite pou yo sèvi ak Bib la pou chèche konnen si moun ki fè peche a ka ret nan kongregasyon an (1 Kor. 5:12). Youn nan bagay yo ka fè, se chèche jwenn repons kesyon ki vin annapre yo: Èske moun nan te fè espre li peche? Èske se yon bagay li te planifye? Èske l gen yon bon bout tan depi l ap fè peche a? Sa k pi enpòtan an, èske l montre l repanti toutbon? Èske gen prèv ki montre Jewova padone l? — Tra. 3:19. w22.06 9 § 4.

Samdi 9 mas

Renmen laverite. — Zak. 8:19.

Jezi te ankouraje disip li yo pou yo chèche fè sa ki jis (Mat. 5:6). Sa vle di, yon moun dwe anvi fè sa ki dwat, sa ki bon ak sa ki pwòp nan je Bondye ak tout kè l. Èske w renmen laverite e èske w renmen sa ki dwat? Nou pa gen okenn dout sou sa. Ou rayi manti, ou rayi tout sa ki pa bon e w rayi mechanste (Sòm 119:​128, 163). Yon moun k ap bay manti imite Satan, chèf monn nan (Jan 8:44; 12:31). Youn nan objektif Satan se sal non Jewova Dye, yon non ki sen. Satan pa sispann bay manti sou Bondye nou an depi rebelyon ki te fèt ann Edenn nan. Li fè Jewova parèt kòm yon Dirijan ki wè tèt li sèlman e ki pa onèt, ki anpeche lèzòm jwenn sa ki bon pou yo (Jen. 3:​1, 4, 5). Manti Satan ap bay sou Jewova yo kontinye fè moun mal wè Jewova. Lè lèzòm chwazi pou yo pa “renmen laverite”, Satan kapab fè yo fè tout kalite bagay ki pa dwat ak tout kalite mechanste. — Wom. 1:​25-31. w23.03 2 § 3.

Dimanch 10 mas

Lanmou fidèl Jewova ap la pou toutan. — Sòm 100:5.

Pandan w ap lite ak yon move abitid, sa ka rive ou tonbe ladan l ankò. Oswa ou ka kòmanse pèdi pasyans e w kontrarye paske w santi w poko ka reyalize objektif ou genyen. Ki sa k ap ede w andire? Yon kalite ki enpòtan anpil: lanmou pou Jewova. Lanmou w gen pou Jewova se yon bèl kalite, se pi bèl kalite ou genyen (Pwo. 3:​3-6). Lè w renmen Bondye ak tout kè w, w ap rive andire pwoblèm ou jwenn nan lavi a. Byen souvan, Labib pale de lanmou fidèl Jewova genyen pou sèvitè l yo. Sa vle di, li pap janm abandone sèvitè l yo oswa sispann renmen yo. Nou fèt pòtre ak Bondye (Jen. 1:26). Ki jan w kapab demontre kalite lanmou sa a? Ann kòmanse avèk rekonesans (1 Tes. 5:18). Chak jou, mande tèt ou: ‘Ki jan Jewova montre m li renmen m?’ Apre sa, sonje di Jewova mèsi lè w priye l e w site yon seri bagay li fè pou ou. Chèche wè jan Jewova montre l renmen w pèsonèlman. w23.03 12 § 17-19.

Lendi 11 mas

[Jezi] te konn sa k nan lòm. — Jan 2:25.

Jezi te byen aji ak toule 12 apot yo e l te montre l renmen yo. Ki leson nou aprann? Menmsi n gen rezon pou n fache akoz sa lòt moun fè, nou dwe fè atansyon ak fason n reyaji lè yo fè erè. Lè yon frè oswa yon sè fè yon bagay ki fè n fache, nou ka mande tèt nou: ‘Poukisa sa l fè a kontrarye m konsa? ‘Èske sa montre gen yon bagay mwen bezwen korije nan pèsonalite m? Èske moun ki fè m fache a petèt ap fè fas ak yon sitiyasyon ki difisil? E menmsi mwen santi m gen rezon pou m fache, èske m ka montre bonjan lanmou pou moun nan epi m annik pase sou sa l fè a?’ Plis nou fè efò pou n renmen youn lòt se plis nou montre nou se vrè disip Jezi. Epitou, egzanp Jezi aprann nou nou bezwen fè efò pou n konprann frè n ak sè n yo (Pwo. 20:5). Jezi te kapab li kè moun, men nou menm, nou pa kapab fè sa. Sepandan, nou kapab pran pasyans ak frè n ak sè n yo lè yo fè yon bagay ki fè n fache (Efe. 4:​1, 2; 1 Pyè 3:8). L ap pi fasil pou n fè sa si n aprann konnen yo pi byen. w23.03 30 § 14-16.

Madi 12 mas

Li pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan. — Lik 20:38.

Satan ka pwofite okazyon kote lavi nou an danje e yo oblije kouri lopital avè n pou l eseye fè n pran yon desizyon ki pap fè Jewova plezi. Doktè oswa fanmi nou ki pa kwayan ka fè presyon sou nou pou n pran san, sa ki t ap fè n vyole lwa Bondye bay. Oswa yon moun ka eseye konvenk nou pou n aksepte lòt tretman ki pa ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Byenke nou pa ta renmen mouri, nou konnen Jewova pap sispann renmen nou si nou mouri (Wom. 8:​37-39). Lè Jewova gen zanmi l ki mouri, li kontinye sonje yo, pou li menm se kòmsi yo toujou vivan (Lik 20:37). Se pa ti anvi l anvi reba yo lavi (Jòb 14:15). Jewova te peye chè pou n ka “gen lavi ki pap janm fini an”. (Jan 3:16.) Nou konnen jan Jewova renmen nou e jan l gen sousi pou nou. Donk, olye n vire do bay Jewova lè n malad oswa lè n devan lanmò, nou konte sou li pou l konsole nou, pou l ban nou sajès ak fòs. — Sòm 41:3. w22.06 18 § 16-17.

Mèkredi 13 mas

Vrè sajès la rele byen fò nan lari. — Pwo. 1:20.

Men sa Bib la di: “Yon moun kòmanse gen sajès lè l gen lakrentif pou Jewova. Konesans Sila a ki pi sen an bay la fè moun gen bon konprann.” (Pwo. 9:10). Se sa k fè, lè nou gen yon desizyon enpòtan pou n pran, nou ta dwe kite fason Jewova panse, sètadi “konesans Sila a ki pi sen an bay la”, gide nou nan desizyon n ap pran an. N ap ka fè sa, lè n etidye Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la. Konsa, n ap montre nou gen vrè sajès la (Pwo. 2:​5-7). Se sèl Jewova ki kapab ban nou vrè sajès la (Wom. 16:27). Sa k fè se nan li sajès soti? Premyèman, antanke Kreyatè, li byen konnen tout sa l kreye yo (Sòm 104:24). Dezyèmman, tout sa Jewova fè montre li gen sajès (Wom. 11:33). Twazyèmman, konsèy Jewova bay yo ki gen anpil sajès toujou nan avantaj moun ki aplike yo (Pwo. 2:​10-12). Si nou vle gen vrè sajès la, nou dwe aksepte verite sa yo, epi kite yo gide n nan desizyon n ap pran ak nan fason n ap aji. w22.10 19 § 3-4.

Jedi 14 mas

Gen yon gè ki pete nan syèl la: Mikayèl ak zanj li yo batay ak dragon an, e dragon an ak zanj li yo batay avèk yo. Men, dragon an pa t pote laviktwa, e pa t gen plas pou yo ankò nan syèl la. — Rev. 12:​7, 8.

Satan te pèdi batay la, e yo te pimpe li menm ak demon l yo sou tè a. Piske Satan te an kòlè anpil, li te kòmanse pase kòlè l sou lèzòm, e sa vin lakòz “malè pou tè a”. (Rev. 12:​7-12.) Ki jan pwofesi sa yo ka itil nou? Evènman k ap pase nan monn nan ak gwo chanjman ki gen nan konpòtman moun yo t ap ede n konprann Jezi vin Wa. Se sa k fè, lè n wè moun yo egoyis e y ap aji ak mechanste, nou pap fache pou sa, okontrè, n ap sonje fason y ap aji yo montre pwofesi ki nan Bib la ap reyalize. Wayòm nan ap dirije (Sòm 37:1)! E nou ka atann ap vin gen plis pwoblèm nan monn nan tank Amagedon ap pwoche (Mak 13:8; 2 Tim. 3:13). Nou gen rekonesans dèske Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou ede n konprann rezon ki fè gen tout pwoblèm sa yo nan monn nan. w22.07 3-4 § 7-8.

Vandredi 15 mas

Lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas. — Jak 5:16.

Nou kapab mande Jewova pou l ede frè n ak sè n yo lè yo malad, lè yo viktim anba katastwòf natirèl, lè y ap fè fas ak lagè, pèsekisyon, oswa lòt difikilte ankò. Epitou, nou kapab priye pou frè n ak sè n yo k ap travay di pou ede frè n ak sè n ki nan bezwen yo. Petèt ou ka konn kèk nan yo k ap fè fas ak difikilte konsa. L ap bon pou w site non yo lè w ap priye. Nou montre nou renmen frè n ak sè n yo toutbon lè n mande Jewova pou l ede yo andire. Frè ki alatèt nan kongregasyon an gen anpil rekonesans pou priyè nou fè pou yo, e priyè sa yo ede yo anpil. Apot Pòl te konn sa byen. Men sa l te ekri: “Priye pou mwen tou, pou m ka jwenn pawòl pou m di lè m ouvri bouch mwen, yon fason pou m ka pale avèk kran lè m ap fè konnen sekrè sakre bon nouvèl la.” (Efe. 6:19). Jodi a tou, gen anpil frè ki alatèt nan kongregasyon yo k ap travay di. Nou montre n renmen yo lè n mande Jewova pou l beni travay y ap fè yo. w22.07 23-24 § 14-16.

Samdi 16 mas

Kòm kas, annou mete esperans delivrans lan. — 1 Tes. 5:8.

Yon sòlda met yon kas pou l pwoteje tèt li. Nan lagè senbolik nou ye a, nou bezwen pwoteje lespri nou kont atak Satan yo. Li bonbade nou ak yon pil tantasyon e avèk yon pakèt ide pou l kòwonp lespri nou. Menm jan yon kas pwoteje tèt yon sòlda, esperans nou genyen an pwoteje panse nou pou n ka kontinye ret fidèl ak Jewova. Si esperans nou genyen an vin febli e nou kite panse ki gen rapò ak lachè pran kontwòl lespri n, nou ka bliye esperans nou genyen pou n gen lavi ki pap janm fini an. Ann pran egzanp kèk kretyen ki t ap viv nan vil Korent tan lontan an. Yo te pèdi lafwa nan yon pwomès enpòtan Bondye fè, anpalan de esperans rezirèksyon an (1 Kor. 15:12). Pòl te fè konnen moun ki pa gen esperans rezirèksyon an viv sèlman pou yo pwofite moman y ap viv la (1 Kor. 15:32). Jodi a, anpil moun ki pa gen esperans nan pwomès Bondye yo konsidere se moman y ap viv la ki enpòtan pou yo, yo chèche pran nenpòt plezi yo ka jwenn. Sepandan, nou met konfyans nou nan pwomès Bondye fè pou lavni. w22.10 25-26 § 8-9.

Dimanch 17 mas

Priye toutan. — 1 Tes. 5:17.

Jewova vle w priye l. Li wè tout sa k ap trakase w e li ba w asirans l ap koute w kèlkeswa lè w priye l. Li kontan koute sèvitè l yo (Pwo. 15:8). Pou ki bagay konsa ou ka priye lè w santi w poukò w? Di Jewova tout sa k nan kè w (Sòm 62:8). Fè l konnen sa k ap trakase w e di l ki jan sa fè w santi w. Mande Jewova pou l ede w konn sa pou w fè lè w santi w poukò w oswa lè w santi w tris, e mande l pou l ba w kouraj pou w pale. Ou ka menm mande l sajès pou w konn sa pou w di lè w ap esplike kwayans ou (Lik 21:​14, 15). Si w ap goumen ak dekourajman, mande Jewova ede w pou w pale sou sa ak yon kretyen ki gen eksperyans. Ou ka mande Jewova pou l ede moun ou pral pale avè l la konprann jan w santi w. E gade kòman l ap reponn priyè w yo, epi aksepte lòt moun ede w. W ap santi w pi byen. w22.08 10 § 6.

Lendi 18 mas

Mesye sa yo ap aji kont dekrè Seza yo. — Tra. 17:7.

Apre kongregasyon Tesalonik la te vin fòme, moun ki te fèk vin kretyen yo te jwenn gwo opozisyon. Yon foul opozan te “trennen […] kèk frè al devan chèf yo nan vil la”. (Tra. 17:6.) Èske w ka imajine jan moun sa yo ki te fèk vin kretyen dwe te pè? Yo te ka ralanti nan sèvis y ap bay Jewova a, men, apot Pòl pa t vle sa rive. Li te veye pou nouvo kongregasyon an jwenn bonjan èd. Men sa Pòl te fè kretyen Tesalonik yo sonje: “Nou te voye Timote, frè nou an, […] pou l ka fè nou vin djanm e pou l ka konsole nou pou lafwa nou vin pi anfòm, dekwa pou tribilasyon sa yo pa brannen pèsonn.” (1 Tes. 3:​2, 3). Timote te wè jan Pòl te ankouraje frè yo nan Lis. Piske Timote te wè jan Jewova te ede yo, li te kapab bay nouvo frè ak sè sa yo asirans tout bagay t ap anfòm pou yo tou. — Tra. 14:​8, 19-22; Ebre 12:2. w22.08 21 § 4.

Madi 19 mas

Nou ka jwenn lavi grasa li. — 1 Jan 4:9.

Nan fen 19yèm syèk la, yon gwoup etidyan Labib ki te gen Charles Taze Russell alatèt yo te kòmanse byen etidye Ekriti yo. Yo te vle konn laverite sou sans sakrifis Jezi a genyen toutbonvre e sou fason yo ta dwe komemore lanmò l. Jodi a nou jwenn byenfè grasa rechèch yo te fè. Ki jan? Grasa benediksyon Jewova, nou rive konprann verite anrapò ak sakrifis Jezi a ak sa sakrifis sa a reyalize (1 Jan 2:​1, 2). Nou aprann tou nan Bib la gen de esperans pou moun ki fè Bondye plezi. Gen moun ki pral gen lavi imòtèl nan syèl la e gen plizyè milyon lòt moun ki pral gen lavi ki pap janm fini an sou tè a. Nou vin pi pwòch Jewova lè nou vin konprann jan li renmen nou e jan sakrifis Jezi a fè nou jwenn byenfè (1 Pyè 3:18). Se sa k fè, menm jan ak kretyen fidèl nan tan lontan yo, nou envite lòt moun pou yo vin selebre Memoryal la avè n fason Jezi te mande nou fè sa. w23.01 21 § 6-7.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche 9 Nizan) Mak 14:​3-9

Mèkredi 20 mas

Li te mouri pou tout moun, yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò, men pou yo viv pou sila a ki te mouri pou yo a e ki te leve a. — 2 Kor. 5:15.

Jezi te anseye moun yo konsènan benediksyon Wayòm Bondye a pral pote. Nou gen rekonesans pou ranson an paske l pèmèt nou gen yon bon relasyon ak Jewova ak Jezi. Moun ki demontre yo gen lafwa nan Jezi gen espwa pou yo viv pou toutan e pou yo wè moun yo te renmen ki mouri yo ankò (Jan 5:​28, 29; Wom. 6:23). Nou pa fè anyen pou n merite benediksyon sa yo, ni nou pap janm ka remèt Bondye ak Kris sa yo fè pou nou (Wom. 5:​8, 20, 21). Men, nou ka montre yo jan n gen anpil rekonesans. Ki jan n ka fè sa? Lè n sèvi ak sa n genyen pou n ede nan travay Wayòm nan. Pa egzanp, nou ka mete nou disponib pou n ede lè y ap konstwi lokal nou itilize nan vrè adorasyon an e pou n pran swen lokal sa yo. w23.01 26 § 3; 28 § 5.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 9 Nizan) Mak 11:​1-11

Jedi 21 mas

Mwen wè Ti Mouton an [...]. Li gen 144000 moun avè l. — Rev. 14:1.

Moun ki pral dirije nan Wayòm Bondye a ap gen pou yo ede plizyè milya moun ki pral viv toupatou sou tè a. Vrèmanvre, se yon gwo onè Jewova fè 144000 moun yo! Menm jan ak Jezi, 144000 moun yo pral sèvi antanke wa e antanke prèt (Rev. 5:10). Sou Lwa Moyiz la, prèt yo te gen responsablite toudabò pou yo ede pèp la ret an sante toutpandan yo t ap ede yo kontinye gen bon relasyon ak Jewova. Lalwa se te “sèlman lonbray bon bagay ki gen pou vini yo”, donk, li lojik pou n panse moun ki pral dirije ansanm ak Jezi yo pral ede pèp Bondye a ret an sante, epi ede yo rete pwòch ak Bondye (Ebre 10:1). N ap oblije tann pou n wè ki mwayen wa ak prèt sa yo pral itilize pou yo kominike ak moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm nan sou tè a. Kèlkeswa dispozisyon Jewova pran, nou kapab gen asirans nan Paradi ki gen pou vini an moun k ap viv sou tè a pral resevwa enstriksyon yo bezwen. — Rev. 21:​3, 4. w22.12 11 § 11-13.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 10 Nizan an) Mak 11:​12-19

Vandredi 22 mas

Se kontinye n ap kontinye anonse lanmò Seyè a jiskaske l vini. — 1 Kor. 11:26.

Youn nan rezon ki fè nou envite lòt moun vin asiste Memoryal la avè n se paske nou vle pou moun ki vini premye fwa yo aprann laverite sou sa Jewova ak Jezi fè pou nou tout (Jan 3:16). Nou espere sa yo wè ak sa yo tande nan Memoryal la ap ankouraje yo pou yo aprann plis e pou yo vin sèvi Jewova. Nou envite moun ki vin inaktif nan sèvis Jewova nan Memoryal la tou. Nou fè sa pou n fè yo sonje Bondye toujou renmen yo. Gen anpil ki konn vini lè n envite yo, e se pa ti kontan nou kontan wè yo. Lè yo asiste Memoryal la, sa ede yo sonje kè kontan yo te genyen lè yo t ap sèvi Jewova (Sòm 103:​1-4). Kit moun yo aksepte envitasyon nou fè yo oswa yo pa aksepte l, nou fè tout sa n kapab pou n envite lòt moun nan Memoryal la, paske nou konnen Jewova enterese nan chak moun pèsonèlman. — Lik 15:7; 1 Tim. 2:​3, 4. w23.01 20 § 1; 22-23 § 9-11.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 11 Nizan an) Mak 11:20–12:​27, 41-44

Samdi 23 mas

Je Jewova ap gade moun ki gen lakrentif pou li. — Sòm 33:18.

Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te mande Papa l ki nan syèl la yon bagay espesyal. Li te mande Jewova voye je sou disip li yo (Jan 17:​15, 20). Nòmalman, Jewova te toujou voye je sou pèp li a, sa vle di, li te toujou pran swen yo e l te toujou pwoteje yo. Men, Jezi te konnen Satan t apral fè disip li yo jwenn gwo opozisyon. Jezi te konnen tou yo t ap bezwen Jewova ede yo pou yo reziste kont atak Dyab la t apral fè sou yo avèk raj. Monn Satan an met gwo presyon sou vrè kretyen yo jodi a. Nou jwenn yon seri pwoblèm ki ka fè n dekouraje e ki ka menm fè l difisil pou n ret fidèl ak Jewova. Men, nou pa bezwen pè anyen. Jewova ap voye je sou nou, li wè pwoblèm nou yo e li vle ede nou fè fas ak yo. Wi, Jewova “ap gade moun ki gen lakrentif pou li [...] pou l delivre yo”. — Sòm 33:​18-20. w22.08 8 § 1-2.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 12 Nizan an) Mak 14:​1, 2, 10, 11; Matye 26:​1-5, 14-16

DAT MEMORYAL LA
Apre solèy la fin kouche
Dimanch 24 mas

Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. — Lik 22:19.

Chak ane nan epòk Memoryal la, nou montre nou gen rekonesans pou sa Jezi fè pou nou lè n pran tan pou n priye e pou n medite sou sa lanmò l vle di pou lèzòm. Epitou, nou ankouraje plis moun posib vin asiste evènman espesyal sa a avè n. Se sèten nou pran detèminasyon pou n pa kite anyen anpeche n asiste Memoryal la. Nan epòk Memoryal la, nou aprann poukisa lèzòm bezwen yon ranson e kòman lanmò yon sèl moun ka fè peche anpil moun jwenn padon. Yo fè nou sonje ki sa pen an ak diven an reprezante e kiyès ki dwe manje nan pen an epi bwè nan diven an (Lik 22:​19, 20). Epitou, nou medite sou benediksyon moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pral jwenn (Eza. 35:​5, 6; 65:​17, 21-23). Nou bezwen gen rekonesans pou verite sa yo. w23.01 20 § 2; 21 § 4.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 13 Nizan an) Mak 14:​12-16; Matye 26:​17-19 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche 14 Nizan) Mak 14:​17-72

Lendi 25 mas

Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li [...] gen lavi ki pap janm fini an. — Jan 3:16.

Lefètke Bondye te bay Pitit Gason l lan kòm yon ranson pou kouvri peche nou, Li fè l vin posib pou n gen lavi ki pap janm fini an (Mat. 20:28). Apot Pòl te di: “Etandone se yon moun ki fè gen lanmò, se yon moun tou ki fè gen rezirèksyon. Paske, menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi.” (1 Kor. 15:​21, 22). Jezi te aprann disip li yo pou yo priye pou Wayòm Bondye a vini e pou volonte Bondye fèt sou tè a (Mat. 6:​9, 10). Bondye gen nan objektif li tou pou lèzòm viv pou toutan sou tè a. Pou sa rive fèt, Jewova met Pitit Gason l lan Wa nan Wayòm Mesi a. Bondye chwazi 144000 moun sou tè a pou travay ansanm ak Jezi pou reyalize volonte L. — Rev. 5:​9, 10. w22.12 5 § 11-12.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 14 Nizan an) Mak 15:​1-47

Madi 26 mas

Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa [...], yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò. — 2 Kor. 5:​14, 15.

Lè n gen yon moun pa nou ki mouri, nou sonje moun sa a anpil! Okòmansman nou ka santi jan sa fè n mal sitou si moun sa a nou renmen an te soufri anvan l mouri. Sepandan, rive yon lè, nou ka kòmanse gen kè kontan ankò lè n ap reflechi sou yon bagay moun sa a te aprann nou, oubyen yon bagay li te fè oswa l te di ki te ankouraje n oswa ki te fè n souri. Menm jan an tou, sa fè n tris lè n li sa Bib la di konsènan soufrans ak lanmò Jezi. Nan epòk Memoryal la, nou sitou pran tan pou n reflechi sou sans sakrifis ranson Jezi te bay la (1 Kor. 11:​24, 25). Sepandan, nou jwenn anpil kè kontan lè n reflechi sou tout sa Jezi te di ak tout sa l te fè lè l te sou tè a. Sa ankouraje n tou lè n panse ak sa l ap fè kounye a ak sa l pral fè pou nou alavni. w23.01 26 § 1-2.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 15 Nizan an) Matye 27:​62-66 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche 16 Nizan) Mak 16:1

Mèkredi 27 mas

Chèche Wayòm nan an premye. — Mat. 6:33.

Disip Jezi yo te tris anpil lè Jezi te mouri. Nonsèlman yo te pèdi zanmi yo te renmen anpil la, men tou, yo te santi yo te pèdi espwa yo te genyen an (Lik 24:​17-21). Sepandan, lè Jezi te parèt devan yo, li te pase tan ak yo pou l te ede yo konprann jan pwofesi ki nan Bib la te reyalize sou li. Epitou, li te ba yo yon travay enpòtan pou yo fè (Lik 24:​26, 27, 45-48). Anvan Jezi te monte nan syèl la, disip yo pa t tris ankò, yo te gen anpil kè kontan. Yo te kontan anpil paske yo te konnen Mèt yo a te vivan e li t ap ede yo pou yo fè travay li te ba yo fè a. Kè kontan yo te genyen an te pouse yo kontinye fè louwanj pou Jewova. (Lik 24:​52, 53; Tra. 5:42). Pou n imite disip Jezi yo sa mande pou nou mete Wayòm Bondye a an premye nan lavi nou. Byenke nou bezwen gen andirans pou n kontinye sèvi Jewova, Jewova pwomèt l ap beni nou anpil si n fè sa. — Pwo. 10:22 w23.01 30-31 § 15-16.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 16 Nizan an) Mak 16:​2-8

Jedi 28 mas

W ap retounen nan pousyè. — Jen. 3:19.

Se sèten nou pa vle fè menm erè Adan ak Èv te fè a. Nou pap fè menm erè a si n kontinye aprann konn Jewova, si n kontinye bay kalite l yo anpil enpòtans e si n kontinye fè efò pou n konprann fason l panse. Si n fè sa, se sèten n ap vin pi renmen Jewova. Ann pran egzanp Abraram. Li te vrèman renmen Jewova. Menm lè l te twouve l difisil pou l konprann desizyon Jewova te pran, li pa t fè tèt di. Okontrè, li te chèche konn Jewova pi byen. Pa egzanp, lè Abraram te aprann Jewova pran desizyon pou l detwi Sodòm ak Gomò, okòmansman, li te pè pou “Jij tout tè a” pa t detwi moun ki jis ansanm ak moun ki mechan. Abraram te konnen Jewova pa t ap janm ka fè yon bagay konsa. Se sa k fè, avèk imilite, li te poze Jewova yon seri kesyon. Jewova te reponn li avèk pasyans. Finalman, Abraram te rann li kont Jewova egzamine kè chak moun, e li pa janm pini moun ki inosan ansanm ak moun ki koupab. — Jen. 18:​20-32. w22.08 28 § 9-10.

Vandredi 29 mas

Moun ki merite pou yo fè l konfyans lan konn kenbe sekrè. — Pwo. 11:13.

Nan ane 455 anvan epòk nou an, apre gouvènè Neyemi te fin konstwi miray Jerizalèm yo, li te chèche jwenn yon seri mesye li te ka fè konfyans ki t ap ka byen pran swen vil la. Youn nan moun Neyemi te chwazi se te Anànya, responsab Fò a. Bib la fè konnen Anànya se te moun yo “te ka fè plis konfyans e li te gen plis lakrentif pou vrè Dye a pase anpil nan lòt mesye yo”. (Ney. 7:2.) Lefètke Anànya te renmen Jewova e l pa t vle fè anyen ki pa fè l plezi, li te pran kèlkeswa responsablite yo te ba li oserye. Kalite sa yo ap ede n tou pou n montre nou se moun yo ka konte sou nou nan sèvis n ap bay Bondye a. Ann pran egzanp Tichik, yon konpayon apot Pòl te genyen li te fè konfyans. Pòl te konte sou Tichik. Li te di li se “yon sèvitè fidèl”. (Efe. 6:​21, 22.) Pòl te fè l konfyans nonsèlman pou l te pote lèt bay frè ki nan vil Efèz ak nan vil Kolòs yo, men tou, pou l te ankouraje yo e pou l te konsole yo. Tichik fè n sonje yon seri gason fidèl nou kapab konte sou yo jodi a pou ede n kontinye gen bon relasyon ak Jewova. — Kol. 4:​7-9. w22.09 9-10 § 5-6.

Samdi 30 mas

Lanmou kouvri yon pakèt peche. — 1 Pyè 4:8.

Jozèf te jwenn gwo eprèv pandan anviwon 13 an. Jozèf te ka ap mande tèt li èske Jewova renmen l vre. Li te ka ap mande tèt li tou èske Jewova pa t abandone l nan moman li te bezwen l ede l. Men, Jozèf pa t gen rankin. Okontrè, li te rete kalm, sa ki te ede l rete nan bonsans li. Lè l te jwenn okazyon pou l te fè frè l yo peye sa yo te fè a, li pa t fè sa, li te montre l renmen yo e l te padone yo (Jen. 45:​4, 5). Jozèf te aji konsa paske l te byen reflechi. Olye l te konsantre sou pwoblèm li yo, li te wè sa k te pi enpòtan an, anpalan de objektif Jewova. (Jen. 50:​19-21) Ki leson nou aprann? Si yo mal aji avè n, nou pa bezwen fache kont Jewova oswa nou pa bezwen ap mande tèt nou si Jewova abandone nou. Okontrè, reflechi sou fason l ap ede w pou w andire eprèv la. Anplis de sa, lè lòt moun mal aji avè w, fè efò pou w pa ret konsantre sou enpèfeksyon yo, montre w renmen yo. w22.11 21 § 4.

Dimanch 31 mas

Tout gouvènman pral sèvi yo e yo pral obeyi yo. — Dàn. 7:27.

Pwofèt Dànyèl te fè yon seri vizyon ki montre aklè Jewova gen plis otorite pase tout lòt otorite yo. Toudabò, Dànyèl te wè kat gwo bèt ki reprezante pisans mondyal nan tan lontan ak nan epòk nou an, nou vle pale de Babilòn, Medi ak Pès, Grès, Wòm ak pisans mondyal k ap dirije kounye a, anpalan de Pisans mondyal anglo-ameriken an (Dàn. 7:​1-3, 17). Annapre, Dànyèl te wè Jewova Dye ki chita sou twòn li nan tribinal nan syèl la (Dàn. 7:​9, 10). Bondye retire tout otorite nan men gouvènman yo, e li bay moun ki plis merite e ki gen plis pouvwa otorite sa a. Kiyès sa yo? Se “yon moun ki sanble ak yon pitit lòm”, anpalan de Jezi Kris, ak moun ki “sen yo k ap sèvi Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”, anpalan de 144000 moun yo ki pral dirije pou “tout tan gen tan”. (Dàn. 7:​13, 14, 18.) Vrèmanvre, Jewova se “Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”. Sa Dànyèl te wè nan vizyon li te fè a ann amoni ak yon bagay li te di anvan sa. Men sa l te di: “Bondye nan syèl la [...] retire wa e li met wa.” — Dàn. 2:​19-21. w22.10 14-15 § 9-11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje