Avril
Lendi 1ye avril
Lè lafwa nou sibi eprèv konsa, li bay andirans. — Jak 1:3.
Nou chak kapab mande tèt nou: ‘Ki jan m reyaji lè yo ban m konsèy? Èske m aksepte erè m fè yo byen vit oswa m eseye defann tèt mwen? Èske m renmen lage chay la sou do lòt moun? Pandan w ap li istwa lavi gason ak fi ki fidèl nou jwenn nan Bib la, chèche wè ki fason yo te fè fas ak pwoblèm konsa. Nan chak sitiyasyon, mande tèt ou: ‘Ki jan m ka imite sèvitè fidèl Jewova sa a pi byen?’ Gen anpil bagay nou ka aprann tou lè n suiv egzanp kwayan parèy nou yo, jèn kou granmoun. Pa egzanp, èske w konn yon moun nan kongregasyon an k ap andire yon eprèv e ki ret fidèl? Petèt se yon jèn lòt jèn ap fè presyon sou li, oswa yon moun fanmi l opoze avè l, oubyen yon moun ki pa viv sante. Èske w wè bèl kalite moun sa a genyen ou ta renmen imite plis toujou? Lè w reflechi sou bèl egzanp li bay, ou ka aprann fason pou w andire eprèv ou jwenn. Nou gen anpil rekonesans dèske n gen egzanp yon seri moun konsa pou n imite paske yo te gen lafwa. Sa ban nou bonjan rezon pou n gen kè kontan! — Ebre 13:7 w22.04 13 § 13-14.
Madi 2 avril
Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa. — Tra. 20:35.
Lè n ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil nan lavi nou, nou kontan lè yon ansyen ki gen lanmou pran tan pou l koute n e pou l ankouraje n. Lè n bezwen èd pou n fè yon etid biblik, nou kontan lè yon pyonye ki gen eksperyans dakò al fè etid la avè n epi l ban n kèk konsèy. Tout frè ak sè sa yo kontan ede nou. Nou kapab kontan tou si nou dispoze ede frè n ak sè n yo. Si w vle fè plis pou Jewova fason sa a ak lòt fason ankò, ki sa k ap ede w? Veye pou w pa gen yon objektif ki twò vag. Pa egzanp, ou ka di tèt ou: ‘M ta renmen fè plis nan kongregasyon an.’ Men, li ka difisil pou w konnen ki jan w ka reyalize yon objektif konsa, e w ka pa rive konnen lè w reyalize l. Donk, ou bezwen chèche gen yon objektif ki klè. Ou ka menm ekri objektif ou genyen an ak fason w vle reyalize l. w22.04 25 § 12-13.
Mèkredi 3 avril
Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou. — Jak 2:8.
Kounye a menm, Jewova ap rasanble “yon gwo foul moun”, l ap ba yo fòmasyon pou yo viv anba dominasyon Wayòm li an (Rev. 7:9, 10). Menm lè gen divizyon nan mitan pifò moun nan monn nan jodi a akoz lahèn ak lagè, moun ki fè pati gwo foul la fè anpil efò pou yo retire tout kalite lahèn nan kè yo. Nan yon sans, yo deja bat epe yo pou fè yo tounen zouti pou raboure latè (Miche 4:3). Olye yo patisipe nan lagè ki lakòz anpil moun mouri, yo ede moun pou yo jwenn “lavi toutbon an” lè yo anseye yo konsènan vrè Dye a ak objektif li (1 Tim. 6:19). Moun nan fanmi yo ka opoze ak yo oswa yo ka pèdi kòb yo te genyen paske y ap soutni Wayòm Bondye a, men Jewova veye pou yo gen sa yo bezwen (Mat. 6:25, 30-33; Lik 18:29, 30). Tout sa ban nou asirans Wayòm Bondye a se yon reyalite e l ap kontinye reyalize objektif Jewova. w22.12 5 § 13.
Jedi 4 avril
Amèn! Vini non, Seyè Jezi. — Rev. 22:20.
Nan fen 1000 an an, tout moun sou tè a ap vin pafè. Okenn moun pap gen peche nou te eritye nan men Adan an ankò (Wom. 5:12). Malediksyon peche Adan an ap disparèt nèt. Konsa, moun sou tè a ap “retounen vivan ankò” antanke moun pafè nan fen 1000 an an (Rev. 20:5). Nou konnen Jezi pa t kite Satan fè l pèdi fidelite l. Li te rete fidèl anba eprèv. Men, èske tout moun ki pafè pral dispoze fè menm jan an lè Satan pral jwenn okazyon pou l pase yo anba eprèv? Chak moun ap kapab reponn kesyon sa a poukont yo lè yo libere Satan nan twou san fon an nan fen 1000 an an (Rev. 20:7). Moun ki rete fidèl pandan dènye eprèv la ap gen lavi ki pap janm fini an, e finalman y ap gen vrè libète a (Wom. 8:21). Moun ki fè rebèl ak Jewova ap detwi pou toutan. — Rev. 20:8-10. w22.05 19 § 18-20.
Vandredi 5 avril
W ap blese l nan talon. — Jen. 3:15.
Pwofesi sa a te reyalize lè Satan te fè Juif yo ak Women yo touye Pitit Bondye a (Lik 23:13, 20-24). Lè yon moun blese nan talon, li ka bwete oswa li ka menm pa ka mache pandan yon tan, se menm jan an tou, lè Jezi te mouri, li te ret kouche nan tonm nan san l pa t ka fè anyen pandan anviwon twa jou (Mat. 16:21). Pou pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan te ka reyalize, Jezi pa t ap kapab rete nan tonm nan. Sa k fè sa? Paske, selon pwofesi a, desandans lan t ap gen pou l kraze tèt sèpan an. Sa vle di, blese Jezi te gen nan talon an t ap gen pou l geri. E vrèmanvre li te geri! Sou twazyèm jou apre lanmò Jezi, li te resisite antanke yon espri ki pa ka mouri. Nan lè Bondye fikse a, Jezi pral detwi Satan. Donk, li pap egziste ankò (Ebre 2:14). Kris ak moun ki pral dirije ansanm avè l yo pral detwi tout ènmi Bondye yo sou tè a, anpalan de desandans sèpan an. — Rev. 17:14; 20:4, 10. w22.07 16 § 11-12.
Samdi 6 avril
Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès. — Pwo. 13:20.
Paran, ede pitit nou fè bon zanmi. Pawòl Bondye a montre aklè moun nou chwazi pou zanmi nou kapab gen bon enfliyans oswa move enfliyans sou nou. Èske n konn zanmi pitit nou yo? Ki sa n ka fè pou n ede pitit nou fè zanmi ak moun ki renmen Jewova (1 Kor. 15:33)? Nou ka ede yo fè bon zanmi lè n envite kèk moun ki gen bon relasyon ak Bondye nan aktivite n ap fè ak fanmi nou (Sòm 119:63). Gen yon papa ki rele Tony ki di: “Pandan plizyè ane, mwen menm ak madanm mwen te konn envite tout kalite frè ak sè lakay nou, kèlkeswa laj yo. Yo te konn manje ansanm avèk nou, e yo te konn patisipe nan adorasyon an fanmi n ap fè. Se yon bon fason pou n aprann konnen moun ki renmen Jewova e k ap sèvi l ak kè kontan. [...] Eksperyans yo, jan yo te chofe nan travay predikasyon an ak sakrifis yo te fè nan sèvis Jewova te gen gwo enfliyans sou pitit nou e sa te ede yo vin pwòch ak Jewova.” w22.05 29-30 § 14-15.
Dimanch 7 avril
Nenpòt sa nou mare sou tè a, se bagay k ap deja mare nan syèl la. — Mat. 18:18.
Lè ansyen yo reyini ak moun ki fè peche a, objektif yo se veye pou desizyon yo pran sou tè a se menm desizyon sa a Jewova deja pran nan syèl la. Ki jan dispozisyon sa a bon pou kongregasyon an? Li pèmèt yo retire moun ki peche e ki pa repanti yo nan kongregasyon an pou yo pa gen move enfliyans sou mouton Jewova yo ki gen anpil valè pou Li (1 Kor. 5:6, 7, 11-13; Tit 3:10, 11). Anmenmtan tou, sa ka ede yon moun ki peche pou l repanti e pou l jwenn padon Jewova (Lik 5:32). Ansyen yo priye Jewova pou moun ki repanti a e yo mande l pou l ede moun nan vin gen bon relasyon avè l ankò (Jak 5:15). Ann sipoze ansyen yo reyini ak yon moun ki peche e moun nan pa repanti. Nan ka sa a, y ap eskominye l nan kongregasyon an. Epoutan, si annapre moun sa a retounen nan bonsans li, li repanti ak tout kè l, e li kase tèt tounen, Jewova ap dispoze padone l (Lik 15:17-24). Jewova ap padone l menmsi peche l te fè a te grav anpil. — 2 Kwo. 33:9, 12, 13; 1 Tim. 1:15. w22.06 9 § 5-6.
Lendi 8 avril
Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun. — 1 Pyè 5:8.
Grasa èd Jewova, kretyen toupatou sou tè a rive fè fas ak sitiyasyon difisil e yo rive opoze ak Dyab la (1 Pyè 5:9). Ou menm tou ou kapab. Talè konsa, Jewova pral bay Jezi ak moun ki pral dirije ansanm avè l yo lòd pou yo “kraze travay Dyab la”. (1 Jan 3:8.) Apre sa, pèp Bondye a k ap sèvi l sou tè a “pap pè anyen e pa gen anyen k ap fè [yo] pè”. (Eza. 54:14; Mi. 4:4.) Men, annatandan, nou bezwen fè anpil efò pou nou konbat laperèz nou genyen yo. Nou dwe kontinye chèche gen plis asirans Jewova renmen sèvitè l yo e l ap pwoteje yo. Yon bagay k ap ede n fè sa, se lè n medite sou fason Jewova te pwoteje sèvitè l yo nan tan lontan e lè n fè lòt moun konn sa. Epitou, nou kapab sonje fason Jewova te ede n pèsonèlman pou n fè fas ak sitiyasyon difisil. Grasa èd Jewova, nou kapab konbat laperèz nou genyen yo! — Sòm 34:4. w22.06 19 § 19-20.
Madi 9 avril
Li te frape estati a nan pye l ki te fèt ak fè ak ajil. — Dàn. 2:34.
Dènye pisans lan, li menm “pye [...] ki te fèt ak fè ak ajil” la reprezante, deja ap dirije. Li te vin egziste pandan Premye Gè mondyal la, lè Grann Bretay ak Etazini te fè yon alyans espesyal youn ak lòt, anpalan de alyans anglo-ameriken an. Estati ki te nan rèv Nebikadneza te fè a te anonse tou kèk bagay konsènan pisans mondyal sa a ki t ap fè l pa menm ak lòt wayòm ki te la anvan yo. Kontrèman ak pisans mondyal yo te pale de yo anvan nan vizyon an, se pa yon metal solid tankou lò oswa ajan ki reprezante alyans anglo-ameriken an, men se yon melanj fè ak ajil. Ajil la reprezante “desandan lèzòm yo” oswa moun nan pèp la (Dàn. 2:43, nòt). Jan nou ka wè sa byen klè jodi a, enfliyans moun nan pèp la genyen nan eleksyon, kanpay y ap fè pou revandike dwa yo antanke sitwayen, gwo manifestasyon k ap fèt, ak sendika yo fè l difisil pou pisans mondyal sa a fè sa l vle. w22.07 4-5 § 9-10.
Mèkredi 10 avril
Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan. — Jan 4:34.
Èske w renka pou w batize? Yon bagay ki kapab ede w, se lè w mande tèt ou: ‘Ki sa m ap tann?’ (Tra. 8:36). N ap remake Jezi te konpare fè volonte Papa l ak manje. Poukisa? Manje bon pou nou. Jezi te konnen kèlkeswa sa Jewova mande n fè bon pou nou. Jewova pa vle n fè anyen k ap fè n soufri. Pami tout sa Jewova vle w fè, èske l vle w batize? Wi (Tra. 2:38). Donk, ou mèt gen konfyans lè w obeyi kòmandman Jewova bay pou w batize a, sa ap bon pou ou. Si w pa t ap renka pou w manje manje w pi renmen an, poukisa w renka pou w batize? Ki sa w ap tann? Anpil moun ta kapab di: “M poko pare.” Anfèt, desizyon pou w vwe Jewova lavi w e pou w batize se desizyon ki pi enpòtan ou gen pou pran. Sa mande tan, sa mande reflechi, e sa mande bonjan efò pou w pare. w23.03 7 § 18-20.
Jedi 11 avril
Yo di: “Ak desandans ou a”, anpalan de yon sèl, ki se Kris. — Gal. 3:16.
Lè lespri sen te desann sou Jezi lè l te batize a, li te vin pati prensipal desandans fi a. Apre lanmò Jezi, e apre l fin resisite, Bondye “te ba l glwa ak onè kòm kouwòn”, e li te ba l “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a”, san wete pouvwa “pou l kraze travay Dyab la”. (Ebre 2:7; Mat. 28:18; 1 Jan 3:8.) Men, desandans lan t ap gen yon dezyèm pati. Apot Pòl te fè konnen kiyès pati sa a nan desandans lan ye lè l te di Juif yo ak moun lòt nasyon Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen ki te vin kretyen yo: “Si nou se byen Kris, nou se desandans Abraram toutbon, nou se eritye dapre yon pwomès.” (Gal. 3:28, 29). Lè Jewova chwazi yon kretyen pa mwayen lespri sen, moun sa a vin fè pati desandans fi a. Donk, se Jezi Kris ansanm ak 144000 moun ki pral dirije ansanm avè l yo ki desandans lan (Rev. 14:1). Yo tout fè efò pou yo panse e pou yo aji menm jan ak Papa yo, Jewova Dye. w22.07 16 § 8-9.
Vandredi 12 avril
Mwen rayi lavi m, mwen pa vle kontinye viv. — Jòb 7:16.
Nou atann n ap jwenn eprèv nan dènye jou sa yo (2 Tim. 3:1). Lè konsa, nou ka santi n dekouraje e n pa konn sa pou n fè, sitou si eprèv yo ta sanble vin youn apre lòt oswa menm plizyè eprèv ta vin ansanm yon sèl kou. Men, nou bezwen sonje Jewova ap voye je sou nou, e nou kapab gen konfyans l ap ede n andire kèlkeswa eprèv la. Reflechi sou fason Jewova te ede Jòb, yon moun ki te fidèl. Nan yon ti tan tou kout, li te jwenn plizyè gwo eprèv. Nan yon sèl jou, Jòb te aprann gen yon gwo malè ki te rive ki te lakòz tout bèt li yo mouri, sèvitè l yo mouri, e sa k pi rèd la, tout pitit li yo li te renmen anpil mouri (Jòb 1:13-19). Yon ti tan apre sa, pandan Jòb te toujou nan gwo lapenn, li te vin gen yon maladi ki te fè l soufri anpil e ki te defigire l (Jòb 2:7). Je Jewova te sou Jòb. Piske Jewova te renmen Jòb, li te ba l sa l te bezwen pou l andire eprèv li te jwenn yo e pou l ret fidèl. w22.08 11 § 8-10.
Samdi 13 avril
Jewova disipline moun li renmen. — Ebre 12:6.
Lè n resevwa disiplin, sa ka fè n santi n tris anpil. Nou ka kòmanse panse nou pa merite disiplin nan oswa l twò di. Konsa, nou ka pa rive konprann yon bagay ki enpòtan anpil: se paske Jewova renmen n ki fè l ban nou disiplin (Ebre 12:5, 11). Donk, aksepte disiplin, epi fè chanjman ki nesesè yo. Jezi te korije Pyè devan lòt apot yo plizyè fwa (Mak 8:33; Lik 22:31-34). Pyè dwe te santi l wont anpil! Sepandan, li te ret fidèl ak Jezi. Li te aksepte disiplin e l te fè efò pou l pa t refè menm erè yo ankò. Se sa k fè Jewova te rekonpanse Pyè poutèt li te fidèl e li te ba l yon seri gwo responsablite nan kongregasyon an (Jan 21:15-17; Tra. 10:24-33; 1 Pyè 1:1). Lè n pa ret ap panse ak jan n santi n wont lè n resevwa disiplin, nou aksepte yo korije n e n fè chanjman ki nesesè yo, sa bon ni pou nou ni pou lòt moun. Konsa, nou vin pi itil Jewova e nou vin pi itil frè n ak sè n yo. w22.11 21-22 § 6-7.
Dimanch 14 avril
Ofri [Izarak] kòm sakrifis. — Jen. 22:2.
Abraram te konnen Jewova pa t ap janm aji yon fason ki pa jis oswa ki montre l pa gen lanmou. Selon sa apot Pòl te fè konnen, Abraram te kwè Jewova te ka resisite Izarak pitit gason l lan li renmen anpil la (Ebre 11:17-19). Dayè, Jewova te pwomèt Izarak t ap vin Papa yon nasyon, e nan moman sa a, Izarak pa t gen pitit. Abraram te renmen Jewova, se sa k fè l te gen konfyans Papa l ki nan syèl la t ap toujou fè sa ki jis. Menm lè sa te difisil, lafwa l te genyen te pouse l obeyi (Jen. 22:1-12). Ki jan n ka suiv egzanp Abraram? Menm jan ak Abraram, nou bezwen kontinye aprann konn Jewova. Lè n fè sa, n ap vin pi pwòch avè l, e n ap vin pi renmen l toujou. (Sòm 73:28) Epitou, konsyans nou ap vin ann amoni ak fason Bondye panse (Ebre 5:14). Konsa, lè yon moun ap eseye fè n fè yon bagay ki mal, nou pap dakò. Sa pap menm vin nan lide nou pou n ta fè yon bagay ki ta ka fè Papa nou ki nan syèl la lapenn e ki ta ka kraze relasyon nou gen avè l la. w22.08 28-29 § 11-12.
Lendi 15 avril
Tètchaje yon moun genyen fè kè l vin lou, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan. — Pwo. 12:25.
Lè apot Pòl ak Banabas t ap retounen Lis, Ikónyòm ak Antyòch, “yo te nome ansyen nan chak kongregasyon”. (Tra. 14:21-23.) Pa gen dout, frè yo te nome yo te ankouraje kongregasyon yo, menm jan ansyen yo fè sa jodi a. Pòl te fè kwayan parèy li yo sonje gen “yon gwo nyaj temwen” ki te andire difikilte grasa fòs Jewova te ba yo (Ebre 12:1). Pòl te konprann jan istwa lavi moun sa yo ki te rive andire tout kalite difikilte te kapab ankouraje frè l ak sè l yo epi ede yo ret konsantre sou “vil ki pou Bondye vivan an”. (Ebre 12:22.) Se menm bagay la tou jodi a. Kiyès ki pa jwenn fòs lè y ap li istwa kote Jewova te ede Jedeyon, Barak, David, Samyèl ak anpil lòt moun ankò? — Ebre 11:32-35. w22.08 21-22 § 5-6.
Madi 16 avril
Yo jije yo chak apa selon aksyon yo. — Rev. 20:13.
Sou baz ki “aksyon” yo pral jije moun ki resisite yo? Èske se aksyon yo te konn fè anvan yo te mouri? Non! Sonje, lè yo te mouri, yo te peye pou peche yo te fè. Donk, “aksyon yo” y ap pale la a se pa kapab aksyon yo te konn fè anvan yo te mouri. Okontrè, aksyon sa yo dwe gen rapò ak fason yo pral aji apre yo fin jwenn fòmasyon nan monn nouvo a. Menm yon seri moun fidèl, tankou Noye, Samyèl, David ak Dànyèl, pral bezwen aprann konn Jezi Kris epi demontre lafwa nan sakrifis li a. Si mesye sa yo pral bezwen fè sa, alewè pou moun ki enjis yo! Ki sa k pral rive moun ki pap aksepte bèl okazyon sa a yo pral jwenn nan? Revelasyon 20:15 fè nou konnen: “Moun yo pa t jwenn non yo ekri nan liv lavi a, yo lage yo nan letan dife a.” Wi, yo pral detwi pou toutan. Kidonk, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou n asire n non nou ekri nan liv lavi a e li rete ladan l! w22.09 19 § 17-19.
Mèkredi 17 avril
Mwen toujou fè tout posib mwen pou konsyans mwen ret klè ni devan Bondye ni devan lèzòm. — Tra. 24:16.
Anpil nan chwa nou fè anrapò ak sante nou ak tretman medikal baze sou sa n aprann nan Bib la (1 Tim. 3:9). Lè n ap pran desizyon e lè n ap pale sou desizyon sa yo ak lòt moun, li bon pou n aplike prensip ki nan Filipyen 4:5 lan ki di: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” Lè n rezonab, nou pap bay tèt nou twòp pwoblèm pou sante nou. Nou renmen frè n ak sè n yo e nou respekte yo menmsi yo pa pran menm desizyon avè n. (Wom. 14:10-12). Nou montre Jewova, li menm ki Sous lavi a, nou gen rekonesans pou lavi li ban nou, lè n pwoteje lavi n e lè n ba L sa n genyen ki pi bon an (Rev. 4:11). Pou kounye a, nou oblije fè fas ak maladi ak malè. Men, se pa lavi sa a Kreyatè a te vle pou nou. Talè konsa, li pral ban nou lavi ki pap janm fini an kote pap gen ni doulè, ni lanmò (Rev. 21:4). Annatandan, ala sa bon pou n vivan e pou n sèvi Jewova, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou an! w23.02 25 § 17-18.
Jedi 18 avril
Yo separe wayòm ou an e yo bay moun peyi Medi ak peyi Pès yo l. — Dàn. 5:28.
Jewova te montre aklè li nan pi gwo pozisyon parapò ak “otorite yo”. (Wom. 13:1.) Ann pran twa egzanp. Farawon, wa peyi Ejip la, te fè pèp Jewova a tounen esklav, e pandan plizyè fwa li te refize kite yo ale. Men, Bondye te libere yo e li te neye Farawon nan Lanmè Wouj (Egz. 14:26-28; Sòm 136:15). Bèlchaza, wa peyi Babilòn nan, te fè yon resepsyon e li “te fè rebèl ak Seyè k ap dirije nan syèl la” epi, li “te fè louwanj pou dye ki fèt ak ajan ak lò” olye l te fè louwanj pou Jewova (Dàn. 5:22, 23). Men, Bondye te imilye mesye sa a ki te awogan. “Nan menm nuit lan”, yo te touye Bèlchaza e yo te bay moun peyi Medi ak peyi Pès yo wayòm li an (Dàn. 5:30, 31). Wa Ewòd Agripa 1ye ki t ap dirije nan peyi Palestin te fè touye apot Jak, epi li te met apot Pyè nan prizon, e l te vle fè l menm bagay. Men, Jewova te anpeche Ewòd fè sa l te vle fè a. “Yon zanj Jewova [te] frape l”, epi li mouri. — Tra. 12:1-5, 21-23. w22.10 15 § 12.
Vandredi 19 avril
Mwen menm m ap koute nou. — Jer. 29:12.
Pandan n ap li Bib la, lè n wè jan Jewova te pran swen moun ki te fidèl avè l nan tan lontan, esperans nou an ap vin pi djanm. Tout bagay ki nan Pawòl Bondye a, “yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”. (Wom. 15:4.) Medite sou fason Jewova te kenbe pwomès li. Reflechi sou sa Bondye te fè pou Abraram ak Sara. Yo te rive nan yon laj kote yo pa t ka fè pitit. Epoutan, Bondye te pwomèt yo yo t ap vin gen yon pitit (Jen. 18:10). Ki jan Abraram te reyaji? Men sa Bib la di: “Abraram te gen lafwa [...], sa ki t ap pèmèt li vin papa anpil nasyon.” (Wom. 4:18). Menm lè Abraram pa t konnen ki jan pwomès Bondye te fè l la t apral reyalize, li te gen konfyans Jewova t ap reyalize pwomès Li fè a. Mesye sa a pa t gen lafwa pou granmesi (Wom. 4:19-21). Istwa konsa aprann nou pou n toujou konte sou Jewova pou l reyalize pwomès li. w22.10 27 § 13-14.
Samdi 20 avril
N ap wè [Gran Pwofesè nou an] ak pwòp je nou. — Eza. 30:20.
Pawòl sa yo te reyalize lè Juif yo te libere anba men Babilónyen yo. Jewova te montre l se yon Gran Pwofesè pou pèp li a, e grasa enstriksyon l te ba yo, yo te rive met vrè adorasyon an sou pye ankò. Se pa ti kontan nou kontan lefètke Jewova se Gran Pwofesè nou jodi a! Ezayi konpare n ak elèv Jewova itilize de fason pou l anseye yo. Li te di: “N ap wè [Gran Pwofesè nou an] ak pwòp je nou.” Nan egzanp sa a, yo montre pwofesè a kanpe devan elèv li yo. Se yon onè pou nou lefètke Jewova ap anseye nou jodi a. Ki jan l fè sa? Li fè sa pa mwayen òganizasyon l lan. Nou gen òganizasyon Jewova a anpil rekonesans pou enstriksyon klè li ban nou yo! Enstriksyon nou resevwa nan reyinyon yo e pa mwayen piblikasyon yo, pwogram Tele JW, ak anpil lòt mwayen ankò ede n andire ak kè kontan lè n jwenn difikilte. w22.11 10 § 8-9.
Dimanch 21 avril
Ki siy [...] k ap siy fen sistèm nan? — Mat. 24:3.
Men sa Jezi te di konsènan lè sistèm juif la t ap rive nan bout li e konsènan “fen sistèm” n ap viv ladan l kounye a: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj nan syèl la, ni Pitit la, men se sèl Papa a ki konnen yo.” Apre sa, li te avèti tout disip li yo pou yo “rete je klè” e pou yo “kontinye veye”. (Mak 13:32-37). Kretyen juif nan premye syèk la te bezwen ret veyatif pou yo te ka sove lavi yo. Jezi te di disip li yo: “Lè nou wè lame yo monte kan toutotou Jerizalèm, lè sa a, konnen lè pou yo ravaje l la ap pwoche.” Nan moman sa a, yo te dwe obeyi avètisman Jezi te bay la pou yo “kouri al nan mòn”. (Lik 21:20, 21.) Moun ki te koute avètisman li te bay la te chape lè Women yo te detwi Jerizalèm. Jodi a, n ap viv nan moman kote sistèm mechan sa a pral detwi. Se sa k fè nou menm tou nou dwe kenbe tèt nou anplas e nou dwe kontinye veye. w23.02 14 § 1-2; 16 § 3.
Lendi 22 avril
Jewova se Bondye verite a. — Sòm 31:5.
Jewova aprann sèvitè l yo pou yo aji yon fason ki onèt e pou yo fè sa ki dwat. Konsa, yo gen respè tèt yo e yo santi yo anpè (Pwo. 13:5, 6). Èske l te fè sa pou ou lè w te kòmanse etidye Labib? Ou te aprann fason Jewova aji pi bon pou lèzòm e pou ou pèsonèlman (Sòm 77:13). Se sa k fè ou vle fè sa Bondye di ki dwat (Mat. 6:33). Ou vle fè lòt moun konnen laverite, e w vle montre sa Satan di sou Jewova, Bondye nou an, se manti. Ki jan w ka fè sa? Ou ka chwazi viv yon fason ki montre ou pa dakò ak manti Satan bay yo e w pran pozisyon pou laverite. Ou kapab montre se Jewova ou vle kòm Dirijan w e w vle fè sa li di ki dwat. Ki jan w kapab fè sa? Ou bezwen priye Jewova, ou bezwen vwe l lavi w epi batize pou w montre tout moun desizyon w pran an. Lè yon moun renmen laverite e l renmen sa ki dwat se bonjan rezon ki kapab fè l vle batize. w23.03 3 § 4-5.
Madi 23 avril
Pa kite anyen boulvèse kè nou, e pa kite laperèz anvayi kè nou. — Jan 14:27.
Gen yon kalite lapè moun ki nan monn nan pa konnen. Se “lapè Bondye” bay la. Lapè sa a fè kè n poze paske n gen yon bon relasyon ak Papa nou ki nan syèl la. Lè n gen lapè Bondye bay la, nou santi n an sekirite (Flp. 4:6, 7). Nou kontan fè bon zanmi ak moun ki renmen Bondye. E nou kontan vin gen yon bon relasyon ak “Bondye lapè a”. (1 Tes. 5:23.) Lè nou konnen Papa nou an, Bondye lapè a, nou met konfyans nou nan li e nou obeyi l, sa kapab fè kè n poze lè n nan yon sitiyasyon ki difisil. Èske l vrèman posib pou n gen lapè Bondye bay la lè n ap fè fas ak yon sitiyasyon ki difisil, pa egzanp yon epidemi, yon katastwòf, gwo latwoublay, oswa pèsekisyon? Nenpòt nan gwo pwoblèm sa yo ka fè n pè. Erezman, anpil frè ak sè suiv konsèy Jezi bay ki nan tèks pou jounen an. Grasa èd Jewova, yo rive jwenn lapè toutpandan y ap fè fas ak gwo eprèv. w22.12 16 § 1-2.
Mèkredi 24 avril
Se pou lespri a chofe nou. Travay tankou esklav pou Jewova. — Wom. 12:11.
Nou pa kapab gen kontwòl sou tout bagay ki rive nan lavi nou. Se sa k fè l enpòtan pou n pa panse se sa n ap fè nan sèvis Jewova a ki fè li ban nou valè, oswa nou pa dwe konpare privilèj nou genyen ak privilèj lòt moun genyen (Gal. 6:4). Li enpòtan pou n chèche fason pou n ede lòt moun e pou n sèvi Jewova. W ap kapab fè plis nan sèvis Jewova a si w mennen yon vi ki senp e si w evite fè dèt ki pa nesesè. Chèche reyalize yon seri objektif depi kounye a k ap ede w reyalize lòt objektif pi devan. Pa egzanp, si objektif ou se vin pyonye pèmanan, èske w kapab ranpli yon fòmilè pou w vin pyonye oksilyè nètale? Si objektif ou se vin sèvitè ministeryèl, èske w kapab chèche fè plis nan travay predikasyon? Eksperyans w ap vin genyen depi kounye a kapab ede w vin gen plis privilèj pi devan. Se pou w pran detèminasyon pou w fè tout sa w kapab nan kèlkeswa asiyasyon yo ba ou. w22.04 26 § 16-17.
Jedi 25 avril
Mwen renmen Jewova paske li tande vwa m. Li tande m lè m sipliye l pou m mande l sekou. — Sòm 116:1.
Jewova kapab ede n fè fas ak pwoblèm nou jwenn nan lavi n e pou n jwenn kè kontan nan sèvis sakre n ap ba li a. Lè nou priye Bondye nou an konsènan yon bagay k ap trakase nou, pou kòmanse, li ka ban n fòs pou n fè fas ak sitiyasyon an. E si eprèv la pa sispann tousuit jan n te swete a, nou ka bezwen kontinye mande Jewova fòs pou n andire. E Jewova mande n pou n fè sa. Se sa pawòl Ezayi yo vle fè konprann, lè l di: “Pa kite [Jewova] an repo.” (Eza. 62:7). Ki sa pawòl sa yo vle di? Nou dwe tèlman priye Jewova, se kòmsi, nou pa kite l pran repo. Pawòl Ezayi yo fè n sonje yon egzanp Jezi te bay konsènan lapriyè nou jwenn nan Lik 11:8-10, 13. Pawòl Jezi di yo ankouraje n pou n “kontinye mande” Jewova lespri sen. Epitou, nou kapab sipliye Jewova pou l ede n pou n pran bon desizyon. w22.11 8 § 1; 9 § 6-7.
Vandredi 26 avril
Nou dwe antre nan Wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon. — Tra. 14:22.
Ou menm ak fanmi w ka prepare n depi kounye a pou lè gen pèsekisyon. Pa eseye imajine tout move bagay ki ka rive. Okontrè, chèche ranfòse relasyon n ak Jewova, epi ede pitit nou fè menm jan an. Si n santi n enkyete pafwa, di Bondye tout sa k ap trakase n (Sòm. 62:7, 8). Antanke fanmi, pale konsènan tout rezon nou genyen pou n met konfyans nou nan li. Menm jan ak lè pral gen yon katastwòf, preparasyon nou menm nou fè ak konfyans nou gen nan Jewova ap ede pitit nou pou yo gen kouraj e pou yo santi yo anpè lè gen pèsekisyon. Lapè Bondye bay la fè n santi n an sekirite (Flp. 4:6, 7). Grasa lapè sa a, Jewova fè n santi n anpè, malgre maladi, katastwòf ak pèsekisyon ki ka frape n jodi a. Li sèvi ak ansyen yo k ap travay di pou l pran swen nou. Li bay nou tout responsablite pou youn ede lòt. Lapè nou jwenn depi kounye a ap prepare n pou pi gwo eprèv nou pral jwenn pi devan e menm pou “gwo tribilasyon” an. — Mat. 24:21. w22.12 27 § 17-18.
Samdi 27 avril
Mwen pa vin rele moun ki jis, men mwen vin rele moun k ap pratike peche. — Mat. 9:13.
Nou bezwen fè efò pou n sispann kondane tèt nou pou yon seri peche grav nou te fè. Nòmalman, nou pa t ap janm pran sakrifis ranson an kòm yon eskiz pou n ap “fè espre n ap pratike peche”. (Ebre 10:26-31.) Men, nou mèt gen konfyans, si n repanti toutbon pou yon peche grav nou te fè, nou chèche èd Jewova, nou mande ansyen yo ede n, e n chanje fason n aji, Jewova ap padone nou nèt (Eza. 55:7; Tra. 3:19). Sakrifis ranson an gen ase fòs pou l kouvri tout peche nou yo e pou l fè lavi nan Paradi a posib. Lavi a pap janm raz nan Paradi a. N ap toujou rankontre yon seri moun k ap gen bagay enteresan pou yo rakonte n e n ap toujou gen travay pou n fè k ap fè kè n kontan. Sa k pi bèl la, n ap kapab vin konnen Papa nou an ki nan syèl la pi byen chak jou e n ap ka pwofite sa l ban nou yo. N ap toujou gen anpil bagay pou n aprann sou li, e ap gen anpil bagay pou n aprann sou sa li kreye yo w22.12 13 § 17, 19.
Dimanch 28 avril
M ap mete rayisman ant ou menm ak fi a. — Jen. 3:15.
“Fi a” pa ta kapab Èv. Paske pwofesi a fè konnen desandans fi a t ap “kraze” tèt sèpan an. Sèpan an se zanj mechan yo rele Satan an, e pa gen okenn desandans Èv ki t ap kapab kraze tèt li paske yo tout enpafè. Donk, ki jan Satan t ap fè detwi? Dènye liv ki nan Bib la fè konnen kiyès fi yo pale de li nan Jenèz 3:15 lan ye. (Rev. 12:1, 2, 5, 10) Li pa yon fi tankou tout fi! Lalin nan anba pye l, li gen yon kouwòn sou tèt li ki fèt ak 12 zetwal. Li fè yon pitit ki vrèman espesyal: Wayòm Bondye a. Piske se nan syèl la Wayòm nan ye, donk, fi a dwe nan syèl la tou. Li reprezante pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la ki gen ladan l zanj fidèl yo (Gal. 4:26). Pawòl Bondye a ede n konprann tou kiyès ki pati prensipal desandans fi a. Desandans sa a te dwe yon desandan Abraram. — Jen. 22:15-18. w22.07 15-16 § 6-8.
Lendi 29 avril
Se pa kòm pawòl lèzòm nou te aksepte l, men, nou te aksepte l pou sa li ye vrèman, kòm pawòl Bondye. — 1 Tes. 2:13.
Bib la se yon kado Jewova ban nou ki gen anpil sajès ladan l. Konsèy ki nan Bib la gen bon efè sou moun. Labib chanje lavi moun. Lè Moyiz te ekri premye pati nan Bib la, men sa li te di Izrayelit yo, pèp Bondye a: “Pawòl sa a se pa pawòl ki pa gen enpòtans pou nou, paske lavi nou depann de li.” (Det. 32:47). Moun ki te obeyi Ekriti yo te rive gen kè kontan nan lavi yo (Sòm 1:2, 3). Menmsi sa gen lontan depi yo te ekri Pawòl Bondye a li toujou gen pouvwa pou l amelyore lavi moun. Prensip ki chaje ak sajès nou jwenn nan Bib la toujou bay bon rezilta, yo toujou ede tout kalite moun kèlkeswa epòk y ap viv la. Lè nou li liv sakre sa a e n medite sou sa n aprann, Sila a ki fè ekri l la sèvi ak lespri sen l ki gen pisans pou ede n wè fason n ka aplike konsèy ki nan Bib la nan lavi n (Sòm 119:27; Mal. 3:16; Ebre 4:12). Vrèmanvre, Sila a ki fè ekri Bib la vivan, e se pa ti anvi li anvi ede w! Sa ta dwe pouse n li Bib la regilyèman. w23.02 3 § 5-6.
Madi 30 avril
L ap fè ravaj yon fason ki terib. — Dàn. 8:24.
Revelasyon chapit 13 fè n konnen setyèm tèt la, anpalan de Pisans mondyal anglo-ameriken an, aji tankou yon bèt sovaj ki gen “de kòn ki tankou kòn yon ti mouton, men li kòmanse pale tankou yon dragon”. Bèt sa a “tèlman reyalize siy estrawòdinè, li menm fè dife sot nan syèl la vin sou tè a devan je tout moun”. (Rev. 13:11-15.) Revelasyon chapit 16 ak chapit 19 pale de bèt sovaj sa a kòm “fo pwofèt la”. (Rev. 16:13; 19:20.) Dànyèl li menm tou te fè konnen Pisans mondyal anglo-ameriken an t ap “fè ravaj yon fason ki terib”. (Dàn. 8:19, 23, 24.) Se egzakteman sa k te rive pandan Dezyèm Gè mondyal la. Te gen syantifik britanik ak ameriken ki te met ansanm pou yo fè de bonm atomik ki te jwe yon gwo wòl pou fè gè a sispann nan zòn Pasifik la. Vrèmanvre, Pisans mondyal anglo-ameriken an te “fè dife sot nan syèl la vin sou tè a”. w22.05 10 § 9.