BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es24 p. 47-57
  • Me

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Me
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
  • Soutit
  • Mèkredi 1ye me
  • Jedi 2 me
  • Vandredi 3 me
  • Samdi 4 me
  • Dimanch 5 me
  • Lendi 6 me
  • Madi 7 me
  • Mèkredi 8 me
  • Jedi 9 me
  • Vandredi 10 me
  • Samdi 11 me
  • Dimanch 12 me
  • Lendi 13 me
  • Madi 14 me
  • Mèkredi 15 me
  • Jedi 16 me
  • Vandredi 17 me
  • Samdi 18 me
  • Dimanch 19 me
  • Lendi 20 me
  • Madi 21 me
  • Mèkredi 22 me
  • Jedi 23 me
  • Vandredi 24 me
  • Samdi 25 me
  • Dimanch 26 me
  • Lendi 27 me
  • Madi 28 me
  • Mèkredi 29 me
  • Jedi 30 me
  • Vandredi 31 me
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
es24 p. 47-57

Me

Mèkredi 1ye me

Apre sa, [...] mwen wè yon gwo foul moun okenn moun pa t ka konte ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang. — Rev. 7:9.

Apre Jan fin wè gwoup moun sa a nan syèl la, li wè “yon gwo foul moun”. Kontrèman ak 144000 moun yo, yo pa ka konte kantite moun ki nan gwo foul la. Ki sa nou aprann konsènan moun sa yo? Men sa yo te fè Jan konnen: “Moun sa yo se moun ki soti anba gwo tribilasyon an. Yo lave wòb long yo, e yo blanchi yo nan san Ti Mouton an.” (Rev. 7:14). Apre “gwo foul moun” sa a fin pase gwo tribilasyon an vivan, yo pral viv sou tè a e y ap jwenn gwo benediksyon (Sòm 37:​9-11, 27-29; Pwo. 2:​21, 22; Rev. 7:​16, 17). Kit yo chwazi n pou n al nan syèl, kit n ap ret sou tè a, èske n wè tèt nou pami moun Revelasyon chapit 7 pale de yo a? Nou ta dwe wè tèt nou pami yo. Se pa ti bèl sa pral bèl pou toule de gwoup moun sa yo k ap sèvi Bondye! Nou pral kontan anpil lefètke n te chwazi soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a. w22.05 16 § 6-7.

Jedi 2 me

Se Jewova menm ki bay sajès. — Pwo. 2:6.

Si w te gen pou w pran yon desizyon enpòtan, se sèten w te priye Bondye pou l ba w sajès, paske w te bezwen sa (Jak 1:5). Men sa wa Salomon te ekri: “Sajès se bagay ki pi enpòtan.” (Pwo. 4:7). Nòmalman, Salomon pa t ap pale de nenpòt ki sajès. Li t ap pale de sajès ki soti nan Jewova Dye a. Men, èske sajès Bondye bay la kapab ede n fè fas ak pwoblèm nou gen jounen jodi a? Wi, li kapab. Youn nan fason nou ka vin gen sajès toutbon se lè nou egzamine ansèyman de moun yo te respekte anpil pou sajès yo te genyen, e lè n aplike sa yo te anseye yo. Toudabò, egzamine egzanp Salomon. Labib di: “Bondye te bay Salomon anpil sajès ak bon jijman.” (1 Wa 4:29). Apre sa, egzamine egzanp Jezi, moun ki te gen plis sajès ki te pase sou tè a (Mat. 12:42). Men sa Bib la te anonse konsènan Jezi: “Lespri Jewova ap poze sou li, se sa k fè l ap gen sajès, l ap gen anpil bon konprann.” — Eza. 11:2. w22.05 20 § 1-2.

Vandredi 3 me

Kite m fè jenerasyon k ap vini an konnen pouvwa w. — Sòm 71:18.

Nou pa janm twò granmoun pou n chèche gen objektif nan sèvis Jewova a epi chèche reyalize yo. Ann pran egzanp yon sè ki gen 75 an ki rele Beverley. Li te gen yon gwo pwoblèm sante ki te fè l difisil pou l mache. Li te vrèman anvi fè plis pou l soutni kanpay k ap fèt pou Memoryal la. Se sa k fè li te chèche gen yon seri objektif byen presi. Lè Beverley te reyalize objektif li te fikse anrapò ak kanpay la, li te kontan anpil. Efò l te fè te ankouraje lòt moun pou yo chèche fè plis nan travay predikasyon an. Jewova bay travay frè ak sè ki granmoun yo ap fè anpil enpòtans, menmsi sitiyasyon yo pa toujou pèmèt yo fè sa yo ta renmen fè (Sòm 71:17). Chèche gen objektif ou kapab reyalize. Fè efò pou w gen yon seri kalite k ap fè kè Jewova kontan. Chèche vin gen yon seri kapasite k ap ede w fè plis pou Bondye ak pou òganizasyon l lan. Chèche fason pou w sèvi frè w ak sè w yo pi plis. Menm jan ak Timote, grasa èd Jewova, “tout moun ap ka wè pwogrè w aklè”. — 1 Tim. 4:15. w22.04 27 § 18-19.

Samdi 4 me

Depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo. — 2 Tim. 3:15.

E si, malgre tout sa n fè, gen youn nan pitit nou yo ki di li pa vle sèvi Jewova? Pa kouri panse nou echwe antanke paran. Jewova bay tout moun libète pou yo chwazi, sa vle di kapasite pou n chwazi sèvi l oswa pa sèvi l, e pitit nou gen libète sa a tou. Se pou n gen espwa l ap retounen yon jou. Sonje egzanp tigason gaspiyè a (Lik 15:​11-19, 22-24). Jèn gason sa a te fè anpil move bagay, epoutan, alafen li te retounen. Paran, Jewova ban nou yon bèl privilèj, se privilèj pou n fòme yon nouvo jenerasyon moun pou adore l (Sòm 78:​4-6). Travay sa a pa piti, e nou felisite n ak tout kè n pou tout efò nou kontinye fè pou n aprann pitit nou renmen Jewova, epi leve yo nan disiplin ak nan avètisman li bay. Nou mèt gen asirans Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou ap kontan. — Efe. 6:4. w22.05 30-31 § 16-18.

Dimanch 5 me

Tout kò a byen kole ansanm. — Efe. 4:16.

Pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an, nou chak bezwen bay sa n genyen ki pi bon an. Ann pran egzanp kretyen nan premye syèk yo. Yo te gen divès don ak divès responsablite (1 Kor. 12:​4, 7-11). Men, yo pa t kite sa fè gen konpetisyon ak divizyon nan mitan yo. Okontrè, Pòl te ankouraje yo chak pou yo bay sa ki te nesesè “pou konstriksyon kò Kris la”. Men sa Pòl te ekri kretyen nan vil Efèz yo: “Lè chak manm fonksyone nòmalman, sa vin pèmèt kò a devlope pou l bati tèt li nan lanmou.” (Efe. 4:​1-3, 11, 12). Kretyen ki te fè sa te fè efò pou gen lapè ak tèt ansanm, e nou wè kalite sa yo nan kongregasyon yo jodi a. Pran detèminasyon pou w pa konpare tèt ou ak lòt moun. Okontrè, aprann nan egzanp Jezi epi fè efò pou w imite kalite l yo. Ou bezwen gen konfyans Jewova “pa enjis pou l ta bliye travay [ou] fè”. (Ebre 6:10.) Li apresye efò w fè ak tout kè w pou w fè l plezi. w22.04 14 § 15-16.

Lendi 6 me

Kris Jezi te vin nan monn nan pou l sove pechè. — 1 Tim. 1:15.

Nou santi n soulaje lefètke nou konnen se pa nou ki pou deside si Jewova ap padone yon moun ki peche! Sepandan, gen yon bagay se nou ki pou deside. Ki sa l ye? Nan kèk sitiyasyon, sa ka rive yon moun peche kont nou, e l ka menm fè nou yon bagay ki grav, men, annapre, li ka di nou li regrèt sa l te fè a epi l mande n padon. Nan kèk lòt sitiyasyon, moun nan ka pa fè sa. Aktout sa, nou ka chwazi padone l, sa vle di nou ka deside pase sou sa l fè nou an, epi fè efò pou n pa fache avè l. Nòmalman, sa ka mande tan ak efò pou n fè sa, sitou si sa moun nan te fè a te fè n mal anpil. Men sa Toudegad 15 septanm 1994 (fransè) di: “Lè nou padone yon moun ki peche, sa pa vle di nou dakò ak peche l te fè a. Pou yon kretyen, padone vle di fè Jewova konfyans, epi kite bagay yo nan men l. Li se Jij tout linivè, li jije avèk jistis, e l ap fè nou jwenn jistis nan bon moman.” w22.06 9 § 6-7.

Madi 7 me

Met espwa nou nan Jewova. — Sòm 27:14.

Jewova pwomèt nan epòk nou an, li t ap rasanble moun tout nasyon, tout tribi ak tout lang, e li t ap fè yo ini nan vrè adorasyon an. Jodi a, gwoup moun estrawòdinè sa a se “gwo foul” la (Rev. 7:​9, 10). Byenke gwoup moun sa a gen ladan l gason, fi ak timoun ki sot nan divès kouch sosyal, yo fòme yon fanmi ki anpè e ki gen tèt ansanm toupatou sou tè a (Sòm 133:1; Jan 10:16). Yo toujou pare pou yo fè kèlkeswa moun ki vle koute yo konnen esperans yo genyen pou gen yon monn ki pi bon (Mat. 28:​19, 20; Rev. 14:​6, 7; 22:17). Si w fè pati gwo foul moun nan, se sèten espwa w genyen pou bagay yo vin pi bon an gen anpil enpòtans pou ou. Dyab la vle fè w pèdi esperans ou genyen an. Objektif li se fè w kwè Jewova pap kenbe pwomès li. Si Satan rive fè n pèdi esperans nou genyen an, n ap dekouraje, e nou ka menm sispann sèvi Jewova. w22.06 20-21 § 2-3.

Mèkredi 8 me

Esperans sa a nou genyen an tankou yon lank batiman pou nanm nou, li sèten e anmenmtan li solid. — Ebre 6:19.

Bonjan esperans nou genyen an ede n rete kalm lè n jwenn gwo pwoblèm, paske n gen konviksyon yon lè bagay yo ap chanje. Sonje, Jezi te avèti nou y ap pèsekite n (Jan 15:20). Donk, lè n medite sou rekonpans Bondye pwomèt nou pou lavni, sa ede n kontinye rete djanm nan sèvis nou antanke kretyen. Reflechi sou jan esperans Jezi te genyen an te ede l kontinye rete fèm malgre li te konnen li t apral mouri yon fason ki terib. Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, apot Pyè te site yon pwofesi nan liv Sòm nan ki byen esplike fason Jezi te rete kalm ak asirans li te genyen. Men sa l te di: “M ap repoze avèk espwa. Paske, ou pap kite m nan Tonm, ni w pap kite kò sèvitè fidèl ou a dekonpoze. [...] W ap fè kè m kontan anpil lè m devan w.” (Tra. 2:​25-28; Sòm 16:​8-11). Jezi te gen bonjan espwa Bondye t ap resisite l e l t ap kontan pou l ansanm ak Papa l ankò nan syèl la. — Ebre 12:​2, 3. w22.10 25 § 4-5.

Jedi 9 me

Nou tout nou bite tanzantan. — Jak 3:2.

Yon lè, de nan apot yo, Jak ak Jan, te fè manman yo al mande Jezi pou l ba yo gwo pozisyon nan Wayòm nan (Mat. 20:​20, 21). Sa Jak ak Jan te fè a te montre yo te gen ògèy ak anbisyon (Pwo. 16:18). Se pa Jak ak Jan sèlman ki te montre yo te gen defo lè sa a. Gade ki jan lòt apot yo te reyaji: “Lè dis lòt disip yo tande sa, yo vin fache kont de frè yo.” (Mat. 20:24). Nou ka imajine gwo diskisyon ki te genyen ant Jak, Jan ansanm ak lòt apot yo. Ki jan Jezi te jere sitiyasyon an? Li pa t fache. Li pa t di li pral chèche jwenn pi bon apot, moun ki te gen plis imilite ki t ap toujou montre yo renmen youn lòt. Okontrè, Jezi te rezone ak yo avèk pasyans paske l te konnen yo te vle fè sa ki dwat. (Mat. 20:​25-28) Li pa t sispann montre l renmen yo nan fason l te konn aji ak yo. w23.03 28-29 § 10-13.

Vandredi 10 me

Pitit mwen, montre w saj e fè kè m kontan, pou m ka reponn moun k ap pwovoke m nan. — Pwo. 27:11.

Ou deja rive fè anpil bagay. Ou te byen etidye Pawòl Bondye a, e petèt ou te fè plizyè ane ap fè sa. Etid ou te fè yo te konvenk ou Bib la se Pawòl Bondye. Sa k pi enpòtan an, ou te vin aprann konnen Sila a ki te fè ekri Bib la e w te vin aprann renmen l. Ou te tèlman vin renmen Jewova, ou te vwe l lavi w, e kounye a, ou se yon sèvitè Jewova ki batize. Se yon bon desizyon w te pran! Sandout lafwa w te pase anba divès kalite eprèv toutpandan w t ap fè pwogrè pou w batize. Men, tank w ap grandi nan domèn espirityèl, w ap jwenn lòt eprèv ankò. Satan pral chèche fè w sispann renmen Jewova e l pral chèche fè w sispann sèvi l (Efe. 4:14). Ou pa dwe kite sa rive. Ki sa k kapab ede w ret fidèl ak Jewova epi kenbe pwomès ou te fè l lè w te vwe l lavi w la? Ou dwe kontinye fè pwogrè, sa vle di, ou dwe kontinye “fè efò” pou w vin gen matirite antanke kretyen. — Ebre 6:1. w22.08 2 § 1-2.

Samdi 11 me

Onore papa nou ak manman nou jan Jewova, Bondye nou an, te mande nou sa a, pou n ka viv lontan e pou tout bagay ka mache byen pou nou. — Det. 5:16.

Nan fanmi nou, chak moun gen responsablite pou yo pa pale yon seri bagay k ap pase nan fanmi an. Pa egzanp, yon sè ka abitye fè yon bagay ki konn fè mari l ri. Èske mari a bezwen al pale sa ak lòt moun, epi pou sa ta fè madanm nan wont? Li pa ta dwe fè sa! Li renmen madanm li, e li pa t ap janm renmen fè yon bagay ki t ap fè madanm li mal (Efe. 5:33). Timoun ki nan adolesans yo renmen lè moun montre yo gen respè pou yo. Li bon pou paran yo konprann sa. Yo pa ta dwe fè pitit yo wont lè yo fè lòt moun konnen erè pitit yo fè (Kol. 3:21). Timoun yo bezwen veye pou yo pa di lòt moun yon seri bagay k ap pase nan fanmi an, sa ki ta ka fè moun nan fanmi an wont. Lè chak moun nan fanmi an fè efò pou yo pa pale bagay ki konsène fanmi an ak lòt moun, moun nan fanmi an vin pi pwòch youn ak lòt. w22.09 10 § 9.

Dimanch 12 me

Jòb, koute sa. Fè yon ti poze pou w byen reflechi. — Jòb 37:14.

Jewova te pale ak Jòb, li te fè l sonje Li gen yon sajès ki san limit e Li gen bonjan sousi pou kreyati L yo. Li te pale konsènan yon pakèt bèt estrawòdinè (Jòb 38:​1, 2; 39:​9, 13, 19, 27; 40:15; 41:​1, 2). Epitou, Jewova te itilize yon jèn gason fidèl ki te rele Eliyou, pou bay Jòb fòs e pou konsole l. Eliyou te bay Jòb asirans Jewova toujou rekonpanse sèvitè l yo pou andirans yo. Men tou, Jewova te fè Eliyou bay Jòb kèk bon konsèy. Eliyou te ede Jòb sonje nou piti anpil devan Jewova, Kreyatè linivè a, e l te ede l konprann li bezwen sispann panse twòp ak tèt li. Epitou, Jewova te mande Jòb fè yon bagay, li te mande l pou l priye pou twa zanmi l yo ki te peche (Jòb 42:​8-10). Ki jan Jewova ede nou jodi a lè n ap fè fas ak gwo eprèv? Jewova pa pale avè n dirèkteman, jan li te fè sa pou Jòb, men li pale avè n pa mwayen Labib, Pawòl li a. — Wom. 15:4. w22.08 11 § 10-11.

Lendi 13 me

Li pi bon pou w pa manje vyann oswa pou w pa bwè diven oubyen pou w pa fè anyen ki kapab fè frè w bite. — Wom. 14:21.

Kongregasyon ki te nan vil Wòm nan te gen Juif ak moun lòt nasyon ki te vin kretyen. Lè Lwa Moyiz la pa t la ankò, yo pa t gen pou yo suiv yon seri lwa sou kesyon manje ankò (Mak 7:19). Depi lè sa a, gen yon seri Juif ki te vin kretyen ki te santi yo lib pou yo manje tout kalite manje. Men, gen lòt Juif ki te vin kretyen ki pa t wè l nòmal pou yo fè sa. Te vin gen divizyon nan kongregasyon an sou kesyon sa a. Apot Pòl te montre jan sa enpòtan pou yo kontinye viv anpè. Konsa, Pòl te ede kwayan parèy li yo wè jan diskisyon sa yo te kapab met divizyon nan mitan frè ak sè yo e menm nan mitan kongregasyon an (Wom. 14:​19, 20). Epitou, li te menm dispoze chanje fason l te konn aji pou l pa fè lòt moun bite (1 Kor. 9:​19-22). Menm jan an tou, nou kapab ankouraje lòt moun e nou kapab fè efò pou kontinye gen lapè si nou evite fè diskisyon sou yon seri bagay kote se chak moun ki pou deside poukont yo. w22.08 22 § 7.

Madi 14 me

Jewova [...] renmen moun ki kontinye fè sa ki dwat. — Pwo. 15:9.

Si n gen yon objektif nan sèvis Jewova a, n ap kontinye fè efò pou n reyalize l. Se menm bagay la tou lè n ap chèche fè sa ki jis. Epitou, Jewova ap ede n avèk pasyans pou n fè pwogrè, e pou n kontinye fè pwogrè tank tan ap pase (Sòm 84:​5, 7). Piske Jewova renmen nou, li fè nou sonje fè sa ki jis pa yon chay (1 Jan 5:3). Okontrè, se yon pwoteksyon, e nou bezwen pwoteksyon sa a chak jou. Sonje ekipman konba apot Pòl te pale de li a (Efe. 6:​14-18). Ki pati nan ekipman an ki te pwoteje kè sòlda a? Se te “pwotèj pwatrin” nan. Menm jan yon pwotèj pwatrin pwoteje kè yon moun, se menm jan an tou “pwotèj pwatrin jistis la”, ki reprezante prensip Jewova yo ki jis, kapab pwoteje kè senbolik nou an, sa vle di moun nou ye nan fon kè nou an. Se sa k fè li enpòtan pou ekipman konba nou an gen pwotèj pwatrin jistis la ladan l! — Pwo. 4:23. w22.08 29 § 13-14.

Mèkredi 15 me

Pawòl Bondye nou an la pou toutan. — Eza. 40:8.

Depi plizyè milye ane, Pawòl Bondye a ap bay gason ak fi ki fidèl yo bonjan direksyon. Kòman sa fè posib? Jewova te veye pou gen plizyè kopi tèks sakre a ki te fèt. Menm lè moun ki t ap kopye l yo te enpafè, yo te pran anpil prekosyon. Pa egzanp, men sa yon biblis te ekri konsènan Liv ki te ekri ann ebre yo: “Nou ka di avèk asirans pa gen okenn lòt ansyen liv ki rive jwenn nou ak yon mesaj ki egzak konsa.” Donk, nou ka sèten pawòl nou li nan Bib la jodi a transmèt panse Sila a ki te fè ekri l la, anpalan de Jewova. Se Jewova ki bay “tout bèl don ak tout kado pafè”. (Jak 1:17.) Bib la se youn nan pi bèl kado Jewova ban nou. Lè yon moun ban n yon kado, kado sa a montre si moun nan byen konnen nou e si l konn sa nou bezwen. Se menm bagay la tou pou Sila a ki ban nou Bib la. Lè n egzamine kado sa a, nou aprann anpil bagay sou Jewova. Nou aprann jan l byen konnen nou e jan l konnen sa nou bezwen. w23.02 2-3 § 3-4.

Jedi 16 me

San mank, tè a pral plen konesans sou Jewova. — Eza. 11:9.

Jou rezirèksyon an pral kòmanse fèt sou tè a pandan Rèy mil an Kris la, se pa ti bèl sa pral bèl! Tout moun ki te gen moun pa yo ki mouri vrèman anvi wè yo ankò. Se konsa Jewova santi l tou (Jòb 14:15). Imajine jan tout moun sou tè a pral kontan lè yo ansanm ak moun pa yo ki resisite. “Moun ki jis” yo ki gen non yo ekri nan liv lavi a “ap resisite pou yo jwenn lavi”. (Tra. 24:15; Jan 5:29.) Petèt, anpil nan moun pa nou yo pral pami premye moun ki pral resisite sou tè a. Mete sou sa, “moun ki enjis” yo, sa vle di moun ki pa t vrèman gen posiblite pou yo konnen Jewova oswa pou yo sèvi l anvan yo mouri “ap resisite pou jijman”. Tout moun sa yo ki pral resisite pral bezwen yo anseye yo (Eza. 26:9; 61:11). Se sa k fè pi gwo pwogram ansèyman ki potko janm fèt nan tout listwa lèzòm pral bezwen fèt lè sa a. — Ezayi 11:10. w22.09 20 § 1-2.

Vandredi 17 me

Se li ki Bondye vivan an. — Dàn. 6:26.

Jewova te montre tou li se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an parapò ak yon seri dirijan ki te met tèt yo ansanm. Jewova te goumen pou pèp Izrayèl la, pou yo te ka pran yon bon valè tèritwa nan Peyi li te pwomèt la (Joz. 11:​4-6, 20; 12:​1, 7, 24). Se pa ni de ni twa fwa Jewova te montre li se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an! Lè Nebikadneza, wa peyi Babilòn nan, t ap vante tèt li parapò ‘ak fòs li, pouvwa l, glwa l genyen ak grandè l’ olye li te mete l toupiti pou l te rekonèt Jewova se Sila a ki merite louwanj, Jewova te fè tèt li pati. Apre Nebikadneza te vin retounen nan bon sans li, li “te fè louwanj pou Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”, e li te rekonèt “[Jewova] ap dirije pou tout tan gen tan”. Epi li te di: “Pèsonn pa ka [...] bloke l.” (Dàn. 4:​30, 33-35). Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te di: “Byennere nasyon ki gen Jewova kòm Bondye l la, byennere pèp li chwazi kòm byen pa l la.” (Sòm 33:12). Sa montre nou gen bonjan rezon pou n ret fidèl ak Jewova! w22.10 15-16 § 13-15.

Samdi 18 me

Pawòl ou [se] laverite. — Sòm 119:160.

Tout pwofesi nan Bib la ki deja reyalize yo fè nou gen konfyans pwomès Bondye fè pou lavni yo ap reyalize. Nou santi nou menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te priye Jewova. Men sa l te di: “Se pa ti tann m ap tann ou delivre m, paske, se pawòl ou ki ban m espwa.” (Sòm 119:81). Nan Bib la, Jewova ban nou “yon avni ak yon espwa”, e li fè sa avèk lanmou (Jer. 29:11). Esperans nou genyen pou lavni an pa depann de efò lèzòm ap fè, men li depann de pwomès Jewova fè yo. Ann kontinye chèche gen plis konfyans nan Pawòl Bondye a lè n byen egzamine pwofesi ki nan Bib la. Yon lòt prèv ki montre nou ka fè Bib la konfyans, se lè nou egzamine bon rezilta moun ki suiv konsèy ki ladan l yo jwenn (Sòm 119:​66, 138). Pa egzanp, gen mari ak madanm ki te prèske divòse e kounye a k ap viv ak kè kontan. Pitit yo kontan leve nan yon fanmi kretyen kote paran yo ap pran swen yo e yo renmen yo. — Efe. 5:​22-29. w23.01 5 § 12-13.

Dimanch 19 me

Rejwi nan esperans lan. — Wom. 12:12.

Reflechi sou sa Jewova fè pou ou. Panse ak fason pwomès ki nan Pawòl Bondye a deja reyalize nan ka pa w. Pa egzanp, Jezi te pwomèt Papa l ap ba w sa w bezwen pou w viv (Mat. 6:​32, 33). Jezi ban w asirans tou Jewova ap ba w lespri sen lè w mande l li (Lik 11:13). Jewova kenbe pwomès sa yo. Petèt ou kapab panse ak lòt pwomès li reyalize nan ka pa w. Pa egzanp, li pwomèt l ap padone w, l ap konsole w, e l ap fè w jwenn sa w bezwen pou w ret pwòch avè l (Mat. 6:14; 24:45; 2 Kor. 1:3). Lè w medite sou sa Bondye deja fè pou ou, esperans ou genyen sou sa l pral fè pou ou alavni yo ap vin solid. Nou gen asirans Jewova ap kenbe pwomès li fè yo. Jan youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri, “byennere moun [...] ki met espwa l nan Jewova, Bondye l la, [...] Sila a ki toujou ret fidèl la”. — Sòm 146:​5, 6. w22.10 27 § 15; 28 § 17.

Lendi 20 me

Jewova ap klere w. — Eza. 60:2.

Èske pwofesi ki gen rapò ak retabli yo t ap retabli vrè adorasyon an konsène nou jodi a? Pa gen dout nan sa! Nan ki sans li konsène nou? Depi 1919 epòk nou an, plizyè milyon moun soti anba jouk Gwo Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon nan monn nan. Jewova mennen yo yon kote ki pi bon lontan pase Peyi l te pwomèt pèp Izrayèl la. Li mennen yo nan yon paradi espirityèl (Eza. 51:3; 66:8). Depi 1919 epòk nou an, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap viv nan yon paradi espirityèl. Tank tan ap pase, moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, anpalan de “lòt mouton” yo, vin antre nan paradi espirityèl sa a tou e y ap jwi pakèt benediksyon Jewova bay (Jan 10:16; Eza. 25:6; 65:13). Paradi espirityèl yo ladan l lan toupatou sou tè a. Se sa k fè, jodi a, kèlkeswa kote n ap viv sou tè a, nou kapab nan paradi espirityèl la, depi nou kontinye soutni vrè adorasyon an. w22.11 11-12 § 12-15.

Madi 21 me

O Jewova, èske w pa la depi toutan? O Bondye m nan, Sila a ki sen an, ou pa ka mouri. — Aba. 1:12.

Èske w twouve l difisil pou w konprann Jewova la “pou tout tan gen tan”? (Eza. 40:28.) Anpil moun twouve l difisil pou yo konprann sa tou. Men sa Eliyou te di konsènan Bondye: “Pèsonn pa ka konte kantite ane li genyen.” (Jòb 36:26). Men, se pa paske nou pa konprann yon bagay ki fè li pa laverite. Pa egzanp, menm lè nou ka pa fin konprann sa limyè ye, èske sa vle di limyè pa egziste? Non, sa pa vle di sa! Menm jan an tou, nou menm lèzòm, nou ka pa janm rive konprann ki jan fè Jewova te toujou la e l ap toujou la. Men, sa pa vle di Bondye pa la pou toutan. Laverite sou Kreyatè a pa depann de sa nou ka konprann oswa sa nou pa ka konprann (Wom. 11:​33-36). Li te egziste anvan linivè fizik te vin egziste, san wete solèy la ak zetwal yo. Wi, li te egziste anvan li te “ouvri syèl la tankou yon dra”. — Jer. 51:15. w22.12 2-3 § 3-4.

Mèkredi 22 me

Se pou priyè m nan tankou lansan ki byen prepare y ap prezante devan w. — Sòm 141:2.

Pafwa, yo konn mande nou pou n priye ansanm ak lòt moun. Pa egzanp, yon sè k ap fè yon etid ka mande sè ki akonpaye l nan etid la pou l priye. Sè ki akonpaye l la ka pa konn etidyan an byen, se sa k fè li te ka pi kontan priye nan fen etid la. Konsa, li ka pi fasil pou l konn sa pou l di lè l ap priye pou etidyan an. Yo ka mande yon frè pou l priye nan yon reyinyon predikasyon oswa nan reyinyon kongregasyon an. Frè ki gen privilèj sa a bezwen sonje poukisa yo fè reyinyon yo. Yo pa dwe pwofite moman y ap priye a pou yo bay moun nan kongregasyon an konsèy oswa pou yo bay yon nouvèl. Nan pifò reyinyon k ap fèt nan kongregasyon yo, gen senk minit pou kantik ak priyè. Donk, frè k ap fè priyè a pa bezwen di “yon pakèt pawòl”, sitou nan kòmansman yon reyinyon. — Mat. 6:7. w22.07 24 § 17-18.

Jedi 23 me

Nou pral tande bri lagè k ap fèt ak nouvèl sou lagè. Veye pou sa pa panike nou, paske fòk bagay sa yo rive, men se poko lafen an. — Mat. 24:6.

Jezi te anonse nan dènye jou yo t ap gen epidemi, oswa maladi k ap gaye toupatou, “nan yon zòn apre yon lòt”. (Lik 21:11.) Lefètke n konn sa, ki jan sa ka fè n santi n anpè? Nou pa sezi lè gen epidemi. Nou konprann bagay sa yo rive jan Jezi te anonse yo a. Se sa k fè nou gen rezon suiv konsèy Jezi te bay moun k ap viv nan tan lafen an. Men sa l te di: “Veye pou sa pa panike nou.” Lè gen yon epidemi, li pa toujou fasil pou n kontinye fè yon seri aktivite n abitye fè chak jou. Men, pa kite sa anpeche w fè etid pèsonèl ou oswa asiste reyinyon yo. Bonjan eksperyans ou jwenn nan piblikasyon nou yo ak nan videyo nou yo ap fè w sonje frè w ak sè w yo kontinye ret fidèl ak Jewova malgre yo nan sitiyasyon difisil menm jan avè w. w22.12 17 § 4, 6.

Vandredi 24 me

Malè rive [tout moun]. — Ekl. 9:11.

Jakòb te montre aklè li renmen Jozèf, pitit gason l lan, anpil (Jen. 37:​3, 4). Se sa k fè pi gran pitit gason Jakòb yo te vin jalou frè yo a. Lè yo te jwenn yon okazyon, yo te vann yon gwoup machann ki moun Madyan Jozèf. Machann sa yo te mennen Jozèf plizyè santèn kilomèt byen lwen jis ann Ejip, e se la yo te revann Jozèf lakay Potifa, li menm ki te alatèt moun ki t ap bay Farawon sekirite yo. Lavi Jozèf te chanje byen vit, li menm ki te yon pitit gason papa l te renmen anpil, kounye a li te vin yon ti esklav ann Ejip (Jen. 39:1)! Pafwa nou jwenn pwoblèm ‘lòt moun konn jwenn’, sa vle di eprèv tout moun konn jwenn (1 Kor. 10:13). Oswa nou ka ap soufri jis paske nou se disip Jezi. Pa egzanp, yo ka pase nou nan rizib, yo ka opoze avè n, oswa menm pèsekite n akoz lafwa nou (2 Tim. 3:12). Kèlkeswa eprèv ou jwenn, Jewova ka fè w reyisi. w23.01 14-15 § 3-4.

Samdi 25 me

Kote ki pa gen bwa, dife mouri. — Pwo. 26:20.

Pafwa nou ka santi n bezwen al kot yon frè oswa yon sè ki te fè n yon bagay ki te fè n mal. Men, anvan n fè sa, l ap bon pou n poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske m byen konprann sa k pase a?’ (Pwo. 18:13). ‘Èske petèt li pa t fè espre lè l te fè m yon bagay ki fè m mal?’ (Ekl. 7:20). ‘Èske m te deja fè yon moun yon bagay menm jan an?’ (Ekl. 7:​21, 22). ‘Si m pale ak moun nan sou sa, èske m ap fè pwoblèm nan vin pi grav?’ Lè n pran tan pou n reflechi sou kesyon sa yo, nou ka vin rann nou kont lanmou n gen pou frè n nan oswa sè n nan ka ede n pou n pa ret ap panse ak sa k te pase a. Nou chak montre nou se yon vrè disip Jezi lè n renmen frè n ak sè n yo ak tout kè n malgre yo pa pafè. Lè n montre n renmen frè n ak sè n yo ak tout kè n, lòt moun ap ka rekonèt vrè relijyon an e y ap vin adore Jewova ansanm avè n. Ann pran detèminasyon pou n kontinye demontre lanmou k ap ede lòt moun wè se nou menm ki vrè kretyen! w23.03 31 § 18-19.

Dimanch 26 me

Bondye se lanmou. — 1 Jan 4:8.

Bib la ede n konprann kalite ki pi estrawòdinè Sila a ki te fè ekri l la genyen an se lanmou. Lefètke Jewova renmen nou, li pa ban nou plis enfòmasyon pase sa n bezwen (Jan 21:25). Epitou, Jewova montre li renmen nou lefètke l pale avè n yon fason ki montre li ban nou valè. Nan Bib la, Jewova pa ban n yon pakèt règ men longè pou l fè n konn egzakteman sa pou n fè ak sa pou n pa fè nan chak sitiyasyon nan lavi n. Okontrè, li sèvi ak sa k te pase nan lavi yon seri moun, li sèvi ak pwofesi e li ban nou bonjan konsèy pou ede n pran bon desizyon. Se fason sa yo Pawòl Bondye a ankouraje n pou n renmen Bondye e pou n obeyi l ak tout kè n. Bib la montre Jewova gen anpil sousi pou nou. Ki jan l fè sa? Pawòl Bondye a chaje ak istwa ki montre jan moun konn santi yo. Nou ka konprann jan moun yo pale de yo nan Bib la te konn santi yo, paske yo te “menm jan avèk nou”. (Jak 5:17.) Sa k pi enpòtan an, lè n wè jan Jewova te aji ak moun menm jan avè n, n ap vin pi byen konprann jan “Jewova gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd”. — Jak 5:11. w23.02 6 § 13-15.

Lendi 27 me

Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif. — 1 Pyè 5:8.

Dènye liv nan Bib la kòmanse ak pawòl ki di: “Men yon revelasyon Bondye bay Jezi Kris pou l montre esklav li yo bagay ki gen pou rive talè konsa.” (Rev. 1:1). Se sa k fè nou enterese anpil nan evènman k ap pase nan monn nan jodi a e n enterese konnen ki jan evènman sa yo petèt ap reyalize pwofesi ki nan Bib la. Epitou, nou ka vrèman anvi pale sou evènman sa yo youn ak lòt. Sepandan, lè n ap pale sou pwofesi ki nan Bib la, nou bezwen veye pou n pa di yon seri bagay nou pa gen okenn prèv sou yo. Poukisa? Paske nou pa ta renmen di anyen ki ta ka met divizyon nan kongregasyon an. Pa egzanp, nou ka tande dirijan nan monn nan k ap pale sou fason pou yo met fen nan yon chirepit pou ka gen lapè ak sekirite. Olye n kouri di yon deklarasyon konsa ap reyalize pwofesi ki nan 1 Tesalonisyen 5:3 a, nou bezwen ret ajou ak dènye enfòmasyon òganizasyon an pibliye. Lè n baze sa n ap di yo sou sa òganizasyon Jewova a pibliye, nou ede kongregasyon an ret ini “nan menm opinyon”. — 1 Kor. 1:10; 4:6. w23.02 16 § 4-5.

Madi 28 me

Monte cheval ou epi batay pou moun ki gen imilite yo, pou laverite ak lajistis, e w ap reyalize gwo bagay ak men dwat ou. — Sòm 45:4.

Poukisa w renmen Jezi Kris? Jezi renmen laverite, li renmen imilite e l renmen sa ki dwat. Si w renmen laverite e w renmen sa ki dwat, nou konprann rezon ki fè w renmen Jezi Kris. Reflechi sou jan Jezi te met kouraj sou li pou l te defann laverite ak sa ki dwat (Jan 18:37). Donk, ki jan Jezi aprann nou pou n gen imilite? Egzanp Jezi bay ankouraje moun pou yo gen imilite. Pa egzanp, li bay Papa l tout glwa, li pa janm atire atansyon sou tèt li (Mak 10:​17, 18; Jan 5:19). Lefètke Jezi gen imilite, èske sa pa touche w? Èske sa pa ba w anvi pou w renmen Pitit Gason Bondye a e pou w suiv li? Sandout sa touche w. Sa k fè Jezi gen imilite? Se paske li renmen Papa l ki gen imilite e li imite l (Sòm 18:35; Ebre 1:3). Èske sa pa fè w anvi vin pwòch ak Jezi, li menm ki imite kalite Jewova yo yon fason ki pafè? w23.03 3-4 § 6-7.

Mèkredi 29 me

Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis. — Tra. 24:15.

Bib la fè konnen gen de kategori moun ki pral resisite e k ap gen posiblite pou yo viv sou tè a pou toutan, anpalan de “moun ki jis” yo ak “moun ki enjis” yo. “Moun ki jis” yo se moun ki t ap sèvi Jewova pandan yo te vivan e ki te fidèl. Yon lòt bò, “moun ki enjis” yo pa t ap sèvi Jewova. Piske toule de kategori sa yo ap resisite, èske nou kapab di non yo ekri nan liv lavi a? Anvan “moun ki jis” yo te mouri, non yo te ekri nan liv lavi a. Èske yo te retire non yo nan liv sa a lè yo te mouri? Non, paske yo toujou “vivan” nan memwa Jewova. Jewova se “pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan, paske pou li, yo tout vivan”. (Lik 20:38.) Sa vle di, lè moun ki jis yo resisite sou tè a, non yo ap nan liv lavi a, byenke se tankou se ak kreyon yo te ekri yo. — Lik 14:14. w22.09 16 § 9-10.

Jedi 30 me

Jewova Dye te pran gason an, li te mete l nan jaden Edenn nan pou l travay jaden an e pou l pran swen l. — Jen. 2:15.

Jewova te vle pou premye moun li te fè a pran plezi nan sa l kreye yo. Lè Bondye te fè Adan, li te ba l yon paradi ki byen pwòp pou l aprann konnen sa k ladan l, e l te ba l pran swen paradi sa a pou l te fè l vin pi gwo (Jen. 2:​8, 9). Imajine jan Adan dwe te kontan lè l t ap gade grenn yo k ap jèmen ak flè yo k ap ouvri. Se pa ti privilèj Adan te genyen pou l te pran swen Jaden Edenn nan! Epitou, Jewova te mande Adan pou l bay bèt yo non (Jen. 2:​19, 20). Jewova te kapab chwazi non pou l bay chak bèt, men, li te pito bay Adan fè travay sa a. Se sèten, anvan Adan te deside bay bèt yo non, li te byen egzamine yo chak, e l te gade fason yo ye ak fason yo aji. Adan dwe te renmen travay sa a. Se sèten sa te ba l okazyon pou l vin gen plis rekonesans pou Papa l, paske li te wè jan Papa l gen sajès, jan l se yon Atis e jan l gen kapasite pou l kreye bèl bagay. w23.03 15 § 3.

Vandredi 31 me

L ap kraze tout wayòm sa yo, l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan. — Dàn. 2:44.

Pisans mondyal anglo-ameriken an, pye kokennchenn estati a reprezante a, se dènye pisans mondyal Bib la te anonse (Dàn. 2:​31-33). Pap gen okenn lòt pisans politik k ap vin apre l. Okontrè, l ap detwi byen vit nan Amagedon lè Wayòm Bondye a kraze l ansanm ak tout lòt gouvènman lèzòm yo (Rev. 16:​13, 14, 16; 19:​19, 20). Ki jan pwofesi sa a kapab itil nou? Pwofesi Dànyèl la bay plis prèv n ap viv nan tan lafen an. Sa gen plis pase 2500 an, pwofèt Dànyèl te anonse apre Babilòn t ap gen kat lòt pisans mondyal ki t ap gen gwo enfliyans sou pèp Bondye a. Anplis de sa, li te montre se Pisans mondyal anglo-ameriken an ki t ap dènye pisans lan. Sa konsole nou e sa fè n gen espwa talè konsa Wayòm Bondye a pral elimine tout gouvènman lèzòm yo nèt e se li ki pral dirije tout tè a. w22.07 4 § 9; 5 § 11-12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje