BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es24 p. 57-67
  • Jen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jen
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
  • Soutit
  • Samdi 1ye jen
  • Dimanch 2 jen
  • Lendi 3 jen
  • Madi 4 jen
  • Mèkredi 5 jen
  • Jedi 6 jen
  • Vandredi 7 jen
  • Samdi 8 jen
  • Dimanch 9 jen
  • Lendi 10 jen
  • Madi 11 jen
  • Mèkredi 12 jen
  • Jedi 13 jen
  • Vandredi 14 jen
  • Samdi 15 jen
  • Dimanch 16 jen
  • Lendi 17 jen
  • Madi 18 jen
  • Mèkredi 19 jen
  • Jedi 20 jen
  • Vandredi 21 jen
  • Samdi 22 jen
  • Dimanch 23 jen
  • Lendi 24 jen
  • Madi 25 jen
  • Mèkredi 26 jen
  • Jedi 27 jen
  • Vandredi 28 jen
  • Samdi 29 jen
  • Dimanch 30 jen
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
es24 p. 57-67

Jen

Samdi 1ye jen

Kò m chaje ak vè e l kouvri ak kras, po m chaje kwout ak pi. — Jòb 7:5.

Jòb te gen bon relasyon ak Jewova. Li te gen anpil pitit, fanmi l t ap viv ak kè kontan e li te rich anpil (Jòb 1:​1-5). Men, nan yon sèl jou, Jòb te pèdi prèske tout bagay. Toudabò, li te pèdi richès li te genyen (Jòb 1:​13-17). Apre sa, tout pitit li yo li te renmen anpil te mouri. Imajine gwo sezisman Jòb ak madanm li te fè, jan yo te nan gwo lapenn e yo te boulvèse lè yo te aprann toule dis pitit yo te genyen yo te mouri. Nou konprann rezon ki fè Jòb te chire rad li lè l te nan gwo lapenn e l te lage kò l atè (Jòb 1:​18-20)! Annapre, Satan te atake sante Jòb e l te imilye l (Jòb 2:​6-8). Anvan sa, Jòb se te yon moun yo te respekte anpil nan zòn li t ap viv la. Moun te konn vin mande l konsèy (Jòb 31:18). Kounye a, yo meprize l. Epitou, frè l yo, bon zanmi l yo e menm moun ki te konn ap travay avè l meprize l tou! — Jòb 19:​13, 14, 16. w22.06 21 § 5-6.

Dimanch 2 jen

Annou grandi nan tout bagay grasa lanmou. — Efe. 4:15.

Apre n fin batize, nou tout bezwen kontinye suiv konsèy apot Pòl te bay kretyen nan vil Efèz yo. Li te ankouraje yo pou yo “fin grandi nèt” antanke kretyen (Efe. 4:13). Se yon lòt fason pou l te di yo: ‘Kontinye fè pwogrè.’ Ou deja renmen Jewova anpil. Men w kapab vin pi renmen l toujou. Ki jan w ka fè sa? Apot Pòl montre youn nan fason nou kapab fè sa, jan n ka wè sa nan Filipyen 1:9. Pòl te priye pou lanmou kretyen nan vil Filip yo “ogmante chak jou pi plis”. Donk, nou kapab vin gen plis lanmou. Nou kapab vin gen lanmou sa a lè n vin gen yon “konesans egzak [ak] yon konpreyansyon total”. Plis nou aprann konnen Jewova, se plis nou renmen l, e se plis nou renmen pèsonalite l ak fason l aji. Nou vin pi anvi fè kè l kontan e nou pap janm vle aji yon fason k ap fè l lapenn. Nou fè tout sa n kapab pou n rive konprann volonte l ak fason n kapab fè volonte l. w22.08 2-3 3-4.

Lendi 3 jen

Men yon revelasyon Bondye bay Jezi Kris pou l montre esklav li yo bagay ki gen pou rive talè konsa. — Rev. 1:1.

Sa nou jwenn nan liv Revelasyon an se pa pou tout moun nèt, men se pou nou menm ki vwe Bondye lavi nou. Antanke pèp Bondye, nou pa ta dwe sezi wè n ap patisipe nan reyalizasyon pwofesi nou jwenn nan bèl liv sa a. Apot Jan, ki te gentan fin granmoun nan epòk li t ap ekri liv Revelasyon an, te fè konnen ki lè pwofesi sa yo t ap gen pou yo reyalize. Men sa l te di: “Pandan m te anba pouvwa lespri sen, mwen te vin twouve m nan jou Seyè a.” (Rev. 1:10). Lè Jan te ekri pawòl sa yo ozanviwon ane 96 epòk nou an, “jou Seyè a” potko prèt pou l rive (Mat. 25:​14, 19; Lik 19:12). Men, dapre pwofesi ki nan Bib la, jou sa a te kòmanse an 1914 lè yo te tabli Jezi Wa nan syèl la. Depi lè sa a, pwofesi nou jwenn nan liv Revelasyon an, ki gen rapò ak pèp Bondye a, kòmanse reyalize. Pa gen dout nan sa, n ap viv nan “jou Seyè a”! — Rev. 1:3. w22.05 2 § 2-3.

Madi 4 jen

Yo met men sou bèt sovaj la ansanm ak fo pwofèt la. — Rev. 19:20.

Yo voye ni bèt sovaj la, ni fo pwofèt la jete tou vivan nan letan dife ki gen souf la. Donk, se pandan gouvènman sa yo oswa ènmi Bondye sa yo ap dirije, Bondye ap detwi yo pou toutan. Ki sa sa vle di pou nou? Antanke kretyen, nou dwe fidèl ak Bondye e ak Wayòm li an (Jan 18:36). Nou pa dwe mele nan politik. Men, li kapab vrèman difisil pou n pa mele ditou nan zafè gouvènman yo, paske yo vle nou soutni yo ni nan pawòl nou ni nan aksyon nou. Moun ki pran nan presyon gouvènman yo ap fè pou yo soutni yo resevwa mak bèt sovaj la (Rev. 13:​16, 17). Men, nenpòt moun ki resevwa mak sa a pap gen favè Jewova e l pap jwenn lavi ki pap janm fini an (Rev. 14:​9, 10; 20:4). Se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou chak pa mele ditou nan politik, kèlkeswa presyon gouvènman yo ta fè sou nou pou n soutni yo! w22.05 10-11 § 12-13.

Mèkredi 5 jen

Èske w konn wè yon moun ki fè travay li byen? Se devan wa l ap kanpe, li pap kanpe devan nenpòt moun. — Pwo. 22:29.

Yon objektif ou kapab genyen, se aprann yon bagay k ap itil. Si n devlope kapasite nou yo, n ap vin byen ekipe pou n aksepte plis responsablite. Reflechi ak tout kantite moun yo bezwen pou travay nan konstriksyon lokal Betèl yo, Sal asanble yo ak Sal Wayòm yo. Anpil nan moun sa yo te jwenn fòmasyon lefètke yo te travay ansanm ak lòt frè ak sè ki gen eksperyans. Jodi a, ni frè ni sè ap pran fòmasyon pou yo fè antretyen nan Sal asanble ak nan Sal Wayòm. Se fason sa yo ak lòt fason ankò Jewova Dye, “Wa letènite a”, ak Kris Jezi, “Wa [tout] wa” yo, ap sèvi ak yon seri frè ak sè ki gen kapasite pou fè yon seri travay estrawòdinè (1 Tim. 1:17; 6:15). Nou vle travay di e n vle sèvi ak kapasite nou genyen pou n bay Jewova glwa, men, se pa pou n bay tèt nou glwa. — Jan 8:54. w22.04 24 § 7; 25 § 11.

Jedi 6 jen

Lajan se yon pwoteksyon. — Ekl. 7:12.

Salomon te rich anpil, e l t ap viv nan liks (1 Wa 10:​7, 14, 15). Yon lòt bò, Jezi pa t posede anpil bagay, e l pa t gen pwòp kay pa l (Mat. 8:20). Epoutan, yo toule de te gen ekilib nan fason yo te konsidere bagay materyèl paske se Jewova Dye ki te ba yo sajès yo te genyen an. Salomon te fè konnen avèk lajan, nou kapab gen sa n bezwen pou n viv, e petèt kèk bagay nou ta renmen genyen. Epoutan, byenke Salomon te rich anpil, li te rive konprann gen bagay ki pi enpòtan pase lajan. Pa egzanp, men sa l te ekri: “Pito yon moun chwazi gen bon repitasyon [oswa “chwazi yon non”, nòt] olye l chwazi gen anpil richès.” (Pwo. 22:1). Salomon te remake tou moun ki renmen lajan pa toujou satisfè ak sa yo genyen (Ekl. 5:​10, 12). Epitou, li te avèti nou pou n pa met tout konfyans nou nan lajan, piske kèlkeswa kantite lajan nou genyen, nou ka pèdi l byen vit. — Pwo. 23:​4, 5. w22.05 21 § 4-5.

Vandredi 7 jen

Jewova ap tann avèk pasyans pou l fè nou favè, l ap leve kanpe pou l fè nou mizèrikòd. Paske Jewova se yon Dye ki gen jistis lakay li. Byennere tout moun ki kontinye ret tann li. — Eza. 30:18.

Lè n medite sou benediksyon nou jwenn kounye a, nou vin gen pi bon relasyon ak Jewova. E lè n medite sou bon bagay Jewova pwomèt li pral ban nou alavni yo, n ap kontinye kenbe esperans pou n sèvi l pou toutan an byen klè nan lespri n. Tout bagay sa yo ap ede n sèvi Jewova ak kè kontan depi kounye a. Jewova “ap leve kanpe” pou nou lè l met fen nan monn sa a ki chaje ak mechanste. Nou gen konviksyon Jewova se “yon Dye ki gen jistis lakay li” e li pap kite monn Satan an fè yon jou anplis (Eza. 25:9). Avèk pasyans, n ap tann jou Jewova pral delivre nou an. Pandan n ap tann jou sa a rive, nou pran detèminasyon pou n kontinye bay privilèj nou genyen pou n priye a anpil valè, pou n etidye e pou n aplike Pawòl Bondye a, epi pou n medite sou benediksyon nou resevwa yo. Lè n fè sa, Jewova ap ede n pou n andire ak kè kontan nan adorasyon n ap ba li a. w22.11 13 § 18-19.

Samdi 8 jen

Pa bliye lòd manman w ba ou. — Pwo. 1:8.

Byenke Bib la pa di anyen sou batèm Timote, nou ka imajine jan Enis, manman l, te kontan jou sa a (Pwo. 23:25). Enis te rive aprann Timote renmen Jewova ak Jezi Kris, Pitit Gason l lan. Manman ak papa Timote pa t nan menm relijyon. Papa l te Grèk e manman l ak granmè l te Juif (Tra. 16:1). Li posib pou Timote te nan adolesans li lè Enis ak Loyis te chanje relijyon pou yo te vin kretyen. Men, papa l pa t vin kretyen. Ki chwa Timote t ap fè? Jodi a, manman ki kretyen yo renmen fanmi yo tou. Sa k pi enpòtan pou yo, se ede pitit yo vin gen yon bon relasyon ak Jewova. E Bondye nou an bay efò y ap fè yo anpil valè (Pwo. 1:​8, 9). Nou pa ka konte konbyen manman Jewova ede pandan y ap fè efò pou yo ede pitit yo aksepte laverite. w22.04 16 § 1-3.

Dimanch 9 jen

Bondye mete lide l nan kè yo pou yo reyalize volonte l. — Rev. 17:17.

Talè konsa, Jewova pral mete lide l nan kè pisans politik yo pou yo “reyalize volonte l”. Ki sa k pral pase lè sa a? Pisans politik sa yo, anpalan de “dis wa” yo, pral atake fo relijyon yo e y ap detwi yo (Rev. 17:​1, 2, 12, 16). Ki jan nou fè konnen Gran Babilòn nan pa lwen detwi? Pou n reponn kesyon sa a, l ap bon pou n sonje dlo gwo Rivyè Efrat la se youn nan bagay ki te pwoteje ansyen vil Babilòn nan. Liv Revelasyon an konpare plizyè milyon moun k ap soutni Gran Babilòn nan ak “dlo” k ap pwoteje l (Rev. 17:15). Men, li fè konnen tou dlo yo t ap gen pou yo “seche”, sa ki montre anpil moun t ap sispann soutni fo relijyon yo nan monn nan (Rev. 16:12). Jodi a, pwofesi sa a ap reyalize paske gen anpil moun ki abandone fo relijyon yo e ki kòmanse chèche solisyon pou pwoblèm yo lòt kote. w22.07 5-6 § 14-15.

Lendi 10 jen

Moun ki pa abitye fè moun mizèrikòd, se san mizèrikòd y ap jije l. Mizèrikòd pote laviktwa sou jijman. — Jak 2:13.

Lè n padone, nou montre nou gen rekonesans. Nan yon parabòl Jezi te bay, li te konpare Jewova ak yon mèt ki te anile yon gwo dèt pou youn nan esklav li yo ki pa t ka peye. Men, esklav sa a pa t vle montre mizèrikòd pou yon esklav ki te dwe l yon ti kòb ki te pi piti lontan (Mat. 18:​23-35). Ki sa Jezi te vle montre nou? Si nou vrèman gen rekonesans pou kokenn mizèrikòd Jewova fè nou, sa ap pouse n padone lòt moun (Sòm 103:9). Men sa Toudegad te di sa gen kèk ane: “Kèlkeswa kantite fwa nou padone pwochen nou, nou pap janm rive padone nan nivo Bondye padone nou ak nan nivo li fè nou mizèrikòd pa mwayen Kris.” Si nou padone lòt moun, Jewova ap padone nou tou. Jewova montre l gen mizèrikòd pou moun ki gen mizèrikòd (Mat. 5:7). Jezi te fè konn sa aklè lè l te aprann disip li yo fason pou yo priye. — Mat. 6:​14, 15. w22.06 10 § 8-9.

Madi 11 jen

Grasa desandans ou, tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon. — Jen. 22:18.

Jezi te vin sou tè a antanke moun. Li te imite kalite Papa l genyen yo yon fason ki pafè (Jan 14:9). Donk, lè nou aprann konn Jezi, nou vin aprann konn Jewova Dye, e nou vin aprann renmen l. Yon lòt bagay ki ede nou, se ansèyman Jezi yo ak fason l ap dirije kongregasyon an jodi a. Li montre nou ki jan pou n viv pou n ka jwenn favè Jewova. E lefètke Jezi te mouri, sa fè nou tout jwenn byenfè. Lè Jezi te resisite, li te ofri san l ki gen anpil valè kòm yon sakrifis ki pafè pou l te ka “pirifye nou anba tout peche”. (1 Jan 1:7.) Kounye a, li se yon Wa ki pa ka mouri e ki gen anpil glwa (Jen. 3:15). Se pa ti soulajman sa pral pote pou sèvitè Bondye yo lè yo elimine Satan! Annatandan, ann kontinye kenbe fèm. Nou kapab fè Bondye nou an konfyans. Li pral fè “tout nasyon sou tè a” jwenn anpil benediksyon. w22.07 18 § 13; 19 § 19.

Mèkredi 12 jen

Nou konnen nou pa ka evite bagay sa yo. — 1 Tes. 3:3.

Nou bezwen rezonab tou lè n ap chèche gen objektif. Poukisa? Paske nou pa fin gen kontwòl sou sitiyasyon nou. Ann pran yon egzanp: Apot Pòl te ede pou tabli yon nouvo kongregasyon nan vil Tesalonik. Men, te gen opozan ki te fòse Pòl kite vil sa a (Tra.17:​1-5, 10). Si Pòl te rete, li t ap met lavi frè yo an danje. Men, malgre sa, li pa t sispann chèche ede yo. Okontrè, li te adapte l ak chanjman ki te vin genyen yo. Annapre, li te voye Timote al ede nouvo kretyen nan vil Tesalonik yo pou fòtifye lafwa yo (1 Tes. 3:​1, 2). Se pa ti kontan frè Tesalonik yo dwe te kontan. Nou ka aprann anpil bagay nan eksperyans Pòl te fè nan vil Tesalonik la. Nou ka gen yon objektif, men, nou ka pa kapab reyalize l (Ekl. 9:11). Si se ka pa w, chèche gen yon lòt objektif w ap kapab reyalize. w22.04 25-26 § 14-15.

Jedi 13 jen

Byennere moun ki kontinye andire eprèv. — Jak 1:12.

Jewova ban nou yon espwa pou lavni e sa konsole nou. Fè yon ti reflechi sou kèk pawòl nou jwenn nan Bib la ki kapab konsole n lè n jwenn eprèv. Nan Bib la, Jewova ban nou asirans pa gen anyen, pa menm gwo eprèv, k ap “kapab separe nou ak lanmou” li (Wom. 8:​38, 39). Li ban nou asirans tou, li “toupre tout moun ki rele l” lè y ap priye (Sòm 145:18). Jewova fè nou konnen si n konte sou li n ap kapab andire kèlkeswa eprèv la, e n ap ka menm gen kè kontan menm lè n ap soufri (1 Kor. 10:13; Jak 1:​2, 12). Pawòl Bondye a fè n sonje tou eprèv nou yo la pou yon ti tan tou kout lè n konpare yo ak rekonpans Bondye pral ban nou k ap la pou toutan (2 Kor. 4:​16-18). Jewova ban nou bonjan asirans li pral elimine rasin tout eprèv nou yo, anpalan de Satan Ledyab ak tout mechan k ap aji menm jan avè l yo (Sòm 37:10). Èske w konn kèk vèsè nan Bib la pakè ki kapab ankouraje w e ki kapab ede w andire eprèv ou pral jwenn pi devan yo? w22.08 11 § 11.

Vandredi 14 jen

Kontinye reflechi sou tout bagay [sa yo]. — Flp. 4:8.

Èske sa deja rive ou mande tèt ou si w ap ka kontinye viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis, chak jou, ane apre ane? Jewova pwomèt aksyon ki jis nou fè kapab “tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman”. (Eza. 48:18.) Imajine w kanpe bò kot yon gwo lanmè w ap gade lanm lanmè yo k ap fè ale vini san rete. Pandan ti moman trankil sa a, èske sa t ap janm vin nan lespri w lanm lanmè yo t ap annik ret konsa yon jou yo sispann fè ale vini? Non! Ou konnen y ap kontinye fè sa. Aksyon ki jis ou fè kapab tankou lanm lanmè! Ki jan? Lè w gen yon desizyon pou w pran, reflechi toudabò sou sa Jewova ta renmen w fè. Apre sa, aji. Menmsi desizyon an ta difisil anpil, Papa w ki nan syèl la ki renmen w ap toujou ba w fòs e l ap ede w pou w kontinye fè sa ki jis chak jou. — Eza. 40:​29-31. w22.08 30 § 15-17.

Samdi 15 jen

Kou 1000 an an fini, y ap libere Satan nan prizon an. — Rev. 20:7.

Nan fen 1000 an yo, y ap lage Satan. Lè sa a, li pral chèche twonpe lèzòm ki vin pafè. Pandan eprèv sa a, tout moun ki pafè sou tè a pral gen posiblite pou yo montre aklè si y ap respekte non Bondye e si y ap soutni dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an (Rev. 20:​8-10). Fason yo chak pral reyaji lè Satan pral chèche twonpe yo pral montre si Bondye dwe ekri non yo nèt nan liv lavi a. Gen moun, nou pa konn ki kantite y ap ye, ki pral aji menm jan ak Adan ak Èv, yo pap aksepte Jewova dirije yo. Ki sa k pral rive moun sa yo? Revelasyon 20:15 di nou: “Moun yo pa t jwenn non yo ekri nan liv lavi a, yo lage yo nan letan dife a.” Vrèmanvre, rebèl sa yo pral detwi pou toutan. Men, pifò moun ki vin pafè ap ret fidèl pandan dènye eprèv la. w22.09 23-24 § 15-16.

Dimanch 16 jen

Si nou pa suiv Lwa Moyiz la, pou nou fè yo sikonsi nou, nou pap ka sove. — Tra. 15:1.

Gen kèk moun nan kongregasyon premye syèk la ki t ap ensiste pou moun lòt nasyon ki vin kretyen yo sikonsi, petèt pou Juif yo pa t kritike yo (Gal. 6:12). Apot Pòl pa t dakò menm ak ide sa a, men, olye l te ensiste pou se sa l di ki fèt, avèk imilite, li t al kot apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm pou yo te ka konn sa pou yo fè (Tra. 15:2). Fason Pòl te aji a te ede kretyen sa yo pou yo kontinye gen kè kontan ak lapè nan kongregasyon an (Tra. 15:​30, 31). Si ta vin gen yon gwo mezantant, n ap fè efò pou gen lapè lè n chèche konsèy nan men moun Jewova mete pou pran swen kongregasyon an. Souvan, nou kapab jwenn konsèy ki baze sou Bib la nan piblikasyon nou yo oswa nan enstriksyon òganizasyon an bay. Si n suiv enstriksyon sa yo olye n vle se sa nou di ki fèt, n ap travay pou gen lapè nan kongregasyon an. w22.08 22 § 8-9

Lendi 17 jen

Yon bon zanmi demontre lanmou toutan. — Pwo. 17:17.

Gen moman nan lavi n, pifò nan nou konn santi nou bezwen pale sou yon bagay ak yon bon zanmi n. Pafwa, sa ka difisil. Nou ka pa abitye di lòt moun sa n santi, e sa t ap fè n mal anpil si n ta vin aprann zanmi nou an di lòt moun sa n te di l la. Yon lòt bò, se pa ti kontan nou kontan lè yon moun pa pale zafè nou! Ansyen ki pa konn pale pawòl konfidansyèl frè ak sè yo di yo se “yon kote pou moun kache lè gen van, yon kote pou moun abrite yo”. (Eza. 32:2.) Nou konnen nou ka pale ak frè sa yo san pwoblèm, paske nou konnen yo pa pral rakonte lòt moun sa nou di yo. Nou pap fòse yo di n bagay yo pa ta dwe pale. Anplis de sa, nou apresye madanm ansyen nou yo paske yo pa chèche fè mari yo rakonte yo bagay yo pa dwe konnen. Vrèmanvre, se yon benediksyon lè yon ansyen pa di madanm li yon seri bagay ki konsène frè ak sè yo w22.09 11 § 10-11.

Madi 18 jen

Se mwen ki Bondye. M ap jwenn glwa nan mitan nasyon yo. — Sòm 46:10.

Nou ka gen konfyans Jewova pral delivre sèvitè fidèl li yo pandan “gwo tribilasyon” an k ap pwoche (Mat. 24:21; Dàn. 12:1). L ap fè sa lè Gòg ki soti nan peyi Magòg, anpalan de yon gwoup nasyon ki pral met tèt yo ansanm, pral atake sèvitè fidèl Jewova yo avèk raj toupatou sou tè a. Menmsi gwoup nasyon sa a ta gen ladan l tout 193 manm Nasyonzini yo, yo pa t ap ka kenbe tèt ak Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ansanm ak lame l la ki nan syèl la! Men pwomès Jewova fè: “Se sèten, m ap bay tèt mwen glwa. M ap fè yo wè mwen se yon Dye ki sen, e m ap fè nasyon yo konnen m. Wi, y ap konnen mwen se Jewova.” (Eze. 38:​14-16, 23). Atak Gòg pral fè a pral mennen nan Amagedon, nan dènye lagè Jewova pral fè a lè l pral detwi “wa ki sou tout tè a”. (Rev. 16:​14, 16; 19:​19-21.) Yon lòt bò, “se sèl moun k ap fè sa ki dwat yo k ap abite sou tè a, e se sèl moun ki ret fidèl yo k ap rete sou li”. — Pwo. 2:​21, nòt. w22.10 16-17 § 16-17.

Mèkredi 19 jen

[Bondye] vle pou tout kalite moun sove e [li] vle yo gen yon konesans egzak sou laverite. — 1 Tim. 2:4.

Nou pa kapab li kè. Se sèlman “Jewova ki egzamine sa k fè [yon moun] aji” yon fason (Pwo. 16:2). Li renmen tout kalite moun, kèlkeswa fason yo te leve ak kote yo soti. Epitou, Jewova ankouraje n pou n “ouvri kè nou”. (2 Kor. 6:13.) Nou chèche renmen tout frè n ak sè n yo, nou pa chèche jije yo. Sa vle di tou, nou pa dwe jije moun ki pap sèvi Jewova. Èske w t ap janm jije yon fanmi w ki pa nan menm relijyon avè w, kòmkwa pou w ta di “li pap janm vin nan laverite”? Non! Si w ta fè sa, ou t ap pran dwa ki pa pou ou, ou t ap panse w pi bon pase lòt moun. Jewova kontinye bay “tout moun” sou tè a posiblite pou yo repanti (Tra. 17:30). Toujou sonje Jewova konsidere moun ki panse yo pi bon pase lòt moun kòm moun ki pa jis. Lanmou nou gen pou prensip Jewova yo ki jis ap fè n gen kè kontan e sa ap ede n vin yon bon egzanp pou lòt moun. Konsa, y ap vin pi renmen nou e y ap vin pi renmen Bondye. w22.08 31 § 20-22.

Jedi 20 jen

Y ap konnen san mank te gen yon pwofèt [...] nan mitan yo. — Eze. 2:5.

Nou mèt atann n ap jwenn opozisyon lè n ap preche. Opozisyon sa a ka vin pi rèd toujou alavni (Dàn. 11:44; 2 Tim. 3:12; Rev. 16:21). Aktout sa, nou kapab gen asirans Jewova ap ban nou èd nou bezwen an. Sa k fè sa? Jewova toujou ede sèvitè l yo pou yo fè travay li ba yo fè, kèlkeswa jan travay sa a difisil. Ann pran egzanp pwofèt Ezekyèl ki t ap preche Juif ki te ann egzil Babilòn yo. Ki kalite moun Ezekyèl te gen pou l preche? Jewova te fè konnen moun sa yo “rebèl” e yo gen “kè di”. Yo te tankou gwo pikan ki kapab fè moun mal anpil e yo te yon danje menm jan ak eskòpyon. Se sa k fè, Jewova pa t sispann di Ezekyèl: “Pinga w pè!” (Eze. 2:​3-6) Ezekyèl te kapab fè travay li te gen pou l fè a paske 1) se Jewova ki te voye l, 2) lespri Bondye te ba l fòs, e 3) pawòl Bondye te di l yo te fè lafwa l vin pi djanm. w22.11 2 § 1-2.

Vandredi 21 jen

Jou w manje ladan l, w ap mouri san mank. — Jen. 2:17.

Tout bagay ki vivan Jewova te kreye sou tè a gen yon kantite tan pou yo viv, sof lèzòm. Se sèl yo menm li te bay posiblite pou yo pa janm mouri. Jewova kreye nou tou ak yon gwo anvi pou n kontinye viv. Labib di Bondye “met lide pou lèzòm viv pou toutan nan kè yo”. (Ekl. 3:11.) Se youn nan rezon ki fè nou konsidere lanmò tankou yon ènmi (1 Kor. 15:26). Si nou vin malad grav, èske nou annik aksepte nou malad epi n bay vag? Non. An jeneral, n al wè yon doktè e petèt nou pran medikaman pou n konbat maladi a. Anfèt, nou fè tout sa n kapab yon fason ki rezonab pou n pa mouri. E lè nou gen yon moun pa nou ki mouri, kit moun sa a jèn, kit li granmoun, èske nou pa santi nou tris anpil (Jan 11:​32, 33)? Se sèten, Kreyatè nou an ki gen lanmou pa t ap ban nou dezi ak kapasite pou nou viv nètale si l pa t gen nan objektif li pou lèzòm viv nètale. w22.12 3 § 5; 4 § 7.

Samdi 22 jen

Se menm kalite soufrans lan tout frè nou yo nan monn nan ap jwenn. — 1 Pyè 5:9.

Nan epòk difisil sa a n ap viv la, anpil nan kwayan parèy nou yo ka malad, yo ka santi yo pè oswa yo ka santi yo poukont yo. Fè efò pou w ret an kontak ak frè w ak sè w yo. Lè gen yon epidemi, nou ka oblije kenbe distans nou ak lòt moun, menm ak frè n ak sè n yo. Lè konsa, ou ka santi w menm jan ak apot Jan. Li te vle wè Gayis, zanmi l, fasafas (3 Jan 13, 14). Sepandan, Jan te konprann li pa t ap ka wè Gayis pandan yon tan. Donk, Jan te fè sa l te kapab, li te ekri Gayis yon lèt. Si l pa toujou posib pou w al vizite frè w ak sè w yo, ou ka fè efò pou w kontakte yo lòt fason ki posib Lè w ret an kontak ak frè w ak sè w yo, ou pap tèlman santi w poukont ou e w ap santi w pi anpè. Epitou, fè efò pou w ret an kontak ak ansyen yo, sitou si w santi w pè, epi aksepte bonjan ankourajman yo ba w paske yo renmen w. — Eza. 32:​1, 2. w22.12 17-18 § 6-7.

Dimanch 23 jen

Se sa k fè mèt Jozèf la pran Jozèf, li fè mete l nan prizon yo te konn met prizonye wa a. — Jen. 39:20.

Bib la fè konnen, pandan yon tan, yo te mete chenn nan pye Jozèf e yo te mete kou l nan chenn (Sòm 105:​17, 18). Sitiyasyon Jozèf te vin pi mal toujou. Li te yon esklav yo fè konfyans, annapre li te vin yon prizonye ki pa gen valè. Èske w te janm nan yon sitiyasyon ki t ap vin pi mal chak jou malgre w te priye anpil? Sa ka rive. Jewova pa anpeche nou jwenn eprèv nan monn sa a Satan ap dirije a (1 Jan 5:19). Aktout sa, ou kapab gen asirans Jewova byen konn sitiyasyon w, e li gen sousi pou ou (Mat. 10:​29-31; 1 Pyè 5:​6, 7). Anplis de sa, men sa li pwomèt: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” (Ebre 13:5). Jewova ka ede w andire menm lè sitiyasyon w parèt sanzespwa. w23.01 16 § 7-8.

Lendi 24 jen

Bondye nou an [...] ap padone l nèt. — Eza. 55:7.

Ekriti yo ban nou asirans Bondye nou an pap abandone nou lè n fè erè. Se pa ni de ni twa fwa Izrayelit yo te peche kont Jewova, epoutan, lè yo te repanti toutbon, li te padone yo. Kretyen yo nan premye syèk la te konnen Bondye renmen yo tou. Bondye te pouse apot Pòl ankouraje kretyen parèy li pou yo “padone” yon mesye ki te fè yon peche grav, men ki te repanti, e pou yo “konsole l”. (2 Kor. 2:​6, 7; 1 Kor. 5:​1-5.) Sa vrèman enteresan lefètke Jewova pa abandone adoratè l yo jis paske yo fè erè! Okontrè, avèk lanmou li ede yo, li korije yo, e li envite yo vin zanmi l ankò. Jodi a, li pwomèt l ap fè menm bagay la pou tout moun ki peche e ki repanti (Jak 4:​8-10). Bib la fè nou konnen Bondye gen sajès, jistis ak lanmou. Liv sa a montre Jewova vle nou konnen l. Li vle nou vin zanmi l. w23.02 7 § 16-17.

Madi 25 jen

Nou fè byen lè nou fikse atansyon nou sou pawòl sa a. — 2 Pyè 1:19.

Nou gen bonjan rezon pou n chèche wè ki jan evènman k ap pase nan monn nan ap reyalize pwofesi ki nan Bib la. Pa egzanp, Jezi te pale konsènan yon seri evènman ki t ap gen pou rive ki t ap ede n konnen lè sistèm Satan an rive nan bout li (Mat. 24:​3-14). Apot Pyè te ankouraje n pou n veye fason pwofesi yo ap reyalize pou lafwa n ka ret djanm (2 Pyè 1:​20, 21). Li vle n gen ekilib lè n ap egzamine pwofesi ki nan Bib la. Li ankouraje n pou n “toujou kenbe [jou Jewova a] nan lespri nou”. (2 Pyè 3:​11-13). Poukisa? Se pa paske n ap chèche konnen ‘jou ak lè’ Jewova pral fè Amagedon, men se paske nou vle sèvi ak tan ki rete a pou n kontinye fè efò pou n “gen yon konduit ki sen e [pou n] montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye”. (Mat. 24:36; Lik 12:40.) Nou vle kontinye aji yon fason ki dwat e n vle veye pou tout sa n ap fè nan sèvis Jewova a montre nou renmen l anpil. Pou n rive fè sa, nou dwe veye kò nou. w23.02 16 § 4, 6.

Mèkredi 26 jen

Mwen gen lòt mouton [...]. Fòk mwen fè yo antre. — Jan 10:16.

Gen yon seri bagay “lòt mouton” yo bezwen fè depi kounye a pou yo gen posiblite viv nan Paradi a. Nou bezwen montre jis nan ki pwen nou gen rekonesans pou sa Jezi fè pou nou. Pa egzanp, nou montre nou renmen l nan fason nou aji ak frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl. Jezi te di se sou sa li pral baze pou l wè kiyès ki mouton yo (Mat. 25:​31-40). Nou kapab kolabore ak yo, lè n ede yo ak tout kè n nan travay preche ak fè disip la (Mat. 28:​18-20). Nou pa bezwen tann n ap viv nan Paradi a pou n vin kalite moun Jewova vle viv nan Paradi a. Depi kounye a, nou kapab fè efò pou n se moun ki kenbe pawòl nou, ki aji dwat e ki montre nou rezonab nan fason n ap viv. Epitou, nou ka montre nou fidèl ak Jewova, ak moun nou marye avè l la, e ak frè n ak sè n yo. Plis nou fè efò pou n obeyi prensip Bondye yo pandan n ap viv nan monn sa a ki chaje ak mechanste, se plis l ap fasil pou n obeyi yo nan Paradi a. Epitou, nou kapab chèche gen yon seri kapasite ak kalite pou montre n ap prepare n pou n viv nan Paradi a. w22.12 11-12 § 14-16.

Jedi 27 jen

Moun sa a ki renmen m nan, Papa m ap renmen l. — Jan 14:21.

Nou renmen Jezi antanke Wa nou paske se pi bon Dirijan ki genyen. Se Jewova li menm ki bay Pitit Gason l lan fòmasyon e se li menm ki mete l dirije (Eza. 50:​4, 5). Epitou, reflechi sou lanmou Jezi genyen ki te pouse l fè sakrifis (Jan 13:1). Li se Wa nou, li vrèman merite pou n renmen l. Li te fè konnen moun ki renmen l toutbon yo, anpalan de moun li rele zanmi l yo, montre yo gen lanmou lè yo obeyi kòmandman l yo (Jan 14:15; 15:​14, 15). Se yon gwo onè nou genyen pou n zanmi Pitit Gason Jewova a! Ou konnen Jezi gen imilite e li imite Papa l yon fason ki pafè. Ou te aprann li te bay moun ki grangou manje, li te konsole moun ki dekouraje, e li te menm geri moun ki malad (Mat. 14:​14-21). Ou wè jan l ap dirije kongregasyon an jodi a (Mat. 23:10). E ou konnen li pral fè plis bagay toujou alavni antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Ki jan w kapab montre w renmen l? Se lè w suiv egzanp li. Ou kapab kòmanse fè sa lè w vwe Jewova lavi w e w batize. w23.03 4 § 8, 10.

Vandredi 28 jen

Leve je nou nan syèl la epi gade. Kiyès ki kreye bagay sa yo? — Eza. 40:26.

Nonsèlman Jewova kreye yon pakèt bagay estrawòdinè nan syèl la, men tou, li plen tè a ak lanmè a ak anpil bagay estrawòdinè, e nou ka aprann nan yo (Sòm 104:​24, 25). Jis reflechi ak fason Bondye fè nou. Li kreye nou ak kapasite pou n apresye bèl bagay ki gen nan lanati. Epitou, li ban n posiblite pou n pran plezi nan divès bagay li kreye yo grasa senk sans nou genyen yo. Pa egzanp, nou ka wè, nou ka tande, nou ka manyen, nou ka pran gou e nou ka pran sant. Bib la bay yon lòt rezon enpòtan pou n egzamine kreyasyon an. Sa Jewova kreye yo ede n konn kalite l yo (Wom. 1:20). Pa egzanp, gade fason bagay ki nan lanati yo byen fèt. Èske yo pa montre sajès Bondye genyen? Epi, panse ak tout kalite manje nou gen pou n manje. Sa montre aklè lanmou Bondye gen pou lèzòm? Lè n chèche wè pèsonalite Bondye nan sa l fè yo, nou vin konnen l pi byen, e sa fè n vle vin pi pwòch avè l. w23.03 16 § 4-5.

Samdi 29 jen

Se tout pawòl ou nèt ki laverite. — Sòm 119:160.

Lefètke sitiyasyon monn nan ap vin pi mal, l ap vin pi difisil pou n fè Pawòl Bondye a konfyans. Gen moun ki ka ap eseye fè nou gen dout Bib la se laverite oswa yo ka eseye fè nou gen dout Jewova met esklav fidèl ki prevwayan an pou gide moun k ap adore l yo jodi a. Men, si nou gen konviksyon Pawòl Jewova a toujou di laverite, n ap kapab reziste devan atak sa yo yo fè sou lafwa nou. N ap ‘detèmine pou n toujou obeyi lwa Jewova yo jiskaske n mouri’. (Sòm 119:112.) Nou “pap wont” pale ak lòt moun konsènan laverite e n pap wont ankouraje yo pou yo aplike konsèy ki nan Bib la nan lavi yo (Sòm 119:46). Epitou, n ap rive andire sitiyasyon ki pi difisil yo, e menm pèsekisyon, avèk “pasyans ak kè kontan”. (Kol. 1:11; Sòm 119:​143, 157.) Verite sa a ede n santi n kalm, e l montre n aklè fason pou n viv. Laverite ban nou espwa n ap gen yon pi bèl avni anba dominasyon Wayòm Bondye a. w23.01 7 § 16-17.

Dimanch 30 jen

M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. — Jan 13:34.

Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te pase anpil tan ap priye pou disip li yo, li te mande Papa l “voye je sou yo akoz mechan an”. (Jan 17:15.) Sa montre jan Jezi te renmen yo! Byenke l te konnen li t apral soufri anpil, li t ap enkyete l pou apot li yo. Menm jan ak Jezi, nou pa panse ak tèt nou sèlman. Okontrè, nou toujou priye pou frè n ak sè n yo. Lè n fè sa, nou obeyi lòd Jezi te bay pou n renmen youn lòt la e n montre Jewova jis nan ki pwen nou renmen frè n ak sè n yo. Se pa pou granmesi nou priye pou frè n ak sè n yo. Pawòl Bondye a fè nou konnen “lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas”. (Jak 5:16.) Frè n ak sè n yo bezwen nou priye pou yo paske yo jwenn anpil pwoblèm. w22.07 23-24 § 13-15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje