Jiyè
Lendi 1ye jiyè
Se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo, nan pawòl ou. — 1 Tim. 4:12.
Kapasite nou genyen pou n pale a se yon kado Bondye nou an ki renmen nou ban nou. Men, lèzòm te mal sèvi ak kado Bondye te ba yo a, anpalan de kapasite yo genyen pou yo pale a. Satan Ledyab te bay Èv manti, e manti sa a te lakòz lèzòm peche e yo pa t pafè ankò (Jen. 3:1-4). Adan te mal sèvi ak lang li lè l te akize Èv pou pwòp erè li menm li te fè, e l te menm akize Jewova (Jen. 3:12). Kayen te bay Jewova manti apre l te fin touye Abèl, frè l la (Jen. 4:9). Jodi a,li difisil pou n jwenn yon fim ki pa gen mo sal ladan l. Elèv yo tande mo sal nan lekòl yo, e granmoun yo tande mo sal nan travay yo. Si n pa veye, nou ka tèlman abitye tande mo sal, nou kòmanse pale menm jan an tou. Nòmalman, antanke kretyen, nou vle fè Jewova plezi, e sa mande plis pase annik pa di mo sal. Nou vle byen sèvi ak bèl kado sa a Bondye ban nou an, anpalan de kapasite nou genyen pou nou pale a, pou n fè louwanj pou li. w22.04 4 § 1-3.
Madi 2 jiyè
Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan. — Mat. 6:24.
Jezi te gen ekilib anrapò ak bagay materyèl. Li te pran plezi manje e l pa t gen pwoblèm ak bwason (Lik 19:2, 6, 7). Yon lè, li te fè diven ki pi bon an, se te premye mirak li (Jan 2:10, 11). E jou l te mouri a, li te gen yon rad sou li ki te koute chè (Jan 19:23, 24). Men, Jezi pa t kite byen materyèl vin bagay ki pi enpòtan nan lavi l. Jezi te fè konnen si n chèche Wayòm nan an premye, Jewova ap fè n jwenn sa nou bezwen (Mat. 6:31-33). Anpil moun jwenn byenfè lè yo aplike konsèy ki gen anpil sajès Bondye bay sou kesyon lajan. Ann pran egzanp yon frè selibatè ki rele Daniel. Men sa l di: “Lè m te nan adolesans mwen, mwen te deside bay sèvis Jewova a plas ki pi enpòtan nan lavi m.” Piske Daniel te mennen yon vi senp, li te kapab sèvi ak tan l ak kapasite l nan plizyè pwojè nan sèvis Jewova a. Men sa l di ankò: Pa gen okenn lajan ki ka achte benediksyon Jewova ban mwen yo.” w22.05 21-22 § 6-7.
Mèkredi 3 jiyè
[Jewova] rele nou sot nan fènwa a pou nou vin nan bèl limyè l la. — 1 Pyè 2:9.
N ap montre nou renmen laverite lè n etidye Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la regilyèman. Dayè, kèlkeswa kantite tan nou gen nan laverite, toujou gen anpil bagay pou n aprann. Sa mande anpil efò pou n etidye, men, efò sa yo pap pou granmesi. Se pa nou tout ki renmen li e ki renmen etidye. Men, Jewova mande nou pou nou “kontinye chèche” pou n ka pi byen konprann laverite. (Pwo. 2:4-6) Lè n fè efò konsa, nou toujou jwenn byenfè. Corey fè konnen, lè l ap fè etid pèsonèl li nan Bib la, li pa konsantre sou plizyè vèsè anmenmtan. Men sa l di: “Lè konsa mwen li chak nòt, mwen gade chak referans e mwen fè lòt rechèch ankò. […] Metòd sa a pèmèt mwen aprann anpil bagay!” Kit nou itilize metòd sa a oswa nou itilize yon lòt metòd, nou montre nou bay laverite valè lè n rezève tan pou n etidye l e nou fè efò pou sa. — Sòm 1:1-3. w22.08 17 § 13; 18 § 15-16.
Jedi 4 jiyè
Mwen te bò kote l kòm yon moun ki konn travay byen. Chak jou, se mwen ki te ba l plis kè kontan, mwen te toujou kontan ret bò kote l. — Pwo. 8:30.
Lè Jezi te sou tè a, li te sèvi ak kreyasyon an pou l anseye disip li yo yon seri bagay sou Papa l. Ann wè youn nan leson li te aprann yo. Jewova montre l renmen tout moun. Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te atire atansyon disip li yo sou de aspè nan kreyasyon an anpil moun pa bay enpòtans: lè solèy la leve ak lè lapli ap tonbe. Toule de bagay sa yo enpòtan anpil pou gen lavi. Jewova te ka anpeche moun ki pap sèvi l yo benefisye bagay sa yo. Okontrè, li byen kontan fè solèy leve epi fè lapli tonbe pou tout moun (Mat. 5:43-45). Jezi te sèvi ak egzanp sa a pou l anseye disip li yo Jewova vle n demontre lanmou pou tout moun. Nenpòt lè n ap gade yon bèl solèy k ap kouche oswa n wè yon lapli byen fre k ap tonbe, sa ka fè n panse ak lanmou Jewova gen pou tout kalite moun. Egzanp Jewova bay ka pouse n pou n demontre lanmou menm jan an lè n preche tout kalite moun. w23.03 17 § 9-10.
Vandredi 5 jiyè
Mwen fè yon gwo sezisman. — Rev. 17:6.
Ki sa ki fè apot Jan “fè yon gwo sezisman”? Li te wè yon fi ki chita sou yon bèt sovaj ki gen koulè wouj vif. Yo fè konnen li se yon “gwo pwostitye” e yo rele l “Gran Babilòn nan”. Li fè “imoralite seksyèl” ak “wa latè yo”. (Rev. 17:1-5.) Ki sa “Gran Babilòn nan” ye? Fi sa a pa kapab reprezante yon òganizasyon politik paske, selon sa yo fè konnen, l ap fè imoralite seksyèl ak dirijan politik yo nan monn nan (Rev. 18:9). Anfèt, l ap chèche kontwole dirijan sa yo, nan yon sans, se li menm k ap mennen yo. Epitou, li pa kapab reprezante sistèm komèsyal monn Satan an ki ava. Gen kote nan liv Revelasyon an yo pale de sistèm komèsyal monn Satan an e yo rele l “komèsan sou tè a”. (Rev. 18:11, 15, 16.) Babilòn tan lontan an te youn nan prensipal kote yo te konn pratike fo adorasyon. Donk, Gran Babilòn nan dwe reprezante fo adorasyon sou kèlkeswa fòm nan. An reyalite, li reprezante tout fo relijyon nan monn nan. — Rev. 17:5, 18. w22.05 11 § 14-16.
Samdi 6 jiyè
Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun. — 1 Pyè 5:8.
Nòmalman, pafwa, yon manman ka ap mande tèt li si pitit li ap chwazi sèvi Jewova. Dayè, paran yo konnen jan monn Satan an ap fè presyon sou timoun yo. Anplis de sa, gen anpil manman k ap fè efò pou yo leve pitit yo san yo pa gen mari, oswa mari yo gendwa pap sèvi Jewova. Se pa sèlman moun k ap viv nan yon kay kote moun yo pa nan menm relijyon ki gen difikilte. Menm lè toule de paran yo nan laverite, li konn difisil pou yo rive touche kè timoun yo pou yo ka vin sèvi Jewova ak tout kè yo. Si se nan sitiyasyon sa w ye, ou pa bezwen bay tèt ou twòp pwoblèm. Jewova ap ede w. Ou kapab mande kèk paran ki gen eksperyans ki jan yo sèvi ak zouti ki disponib yo pou yo fè adorasyon an fanmi, konsa w ap jwenn kèk nouvo ide (Pwo. 11:14). Epitou, Jewova ka ede w pou w konn kòman pou w pale ak pitit ou. Mande l pou l ede w poze pitit ou yon seri kesyon k ap ede w wè sa k nan panse l ak sa k nan kè l. — Pwo. 20:5. w22.04 17 § 4, 7; 18 § 9.
Dimanch 7 jiyè
Men sa m ap kontinye mande nan priyè mwen: Se pou lanmou nou ogmante chak jou pi plis avèk konesans egzak e avèk yon konpreyansyon total. — Flp. 1:9.
Jezi te imite Papa l yon fason ki pafè. Donk, lè n aprann konn Jezi pi byen, n ap vin pi renmen Jewova (Ebre 1:3). Pi bon fason pou n aprann konn Jezi, se lè n etidye kat Evanjil yo. Si w poko gen bon abitid pou w li Bib la chak jou, sa w panse si w ta kòmanse fè sa depi kounye a? Pandan w ap li istwa lavi Jezi, byen reflechi sou kalite l yo. Li te yon moun ki abòdab, li te renmen pran timoun piti nan bra l (Mak 10:13-16). Li te met disip li yo alèz. Yo pa t santi yo jennen pou yo te di l sa yo panse (Mat. 16:22). Kidonk, Jezi te imite Papa l ki nan syèl la, sa ki montre Jewova vrèman abòdab. Nou kapab priye Jewova, e lè n ap fè sa, nou kapab di l tout sa k nan kè n. Nou konnen li pap jije nou. Li renmen nou e li gen sousi pou nou. — 1 Pyè 5:7. w22.08 3 § 4-5.
Lendi 8 jiyè
Paske, ou bon e w dispoze padone, o Jewova. — Sòm 86:5.
Antanke Kreyatè nou, Jewova konn tout bagay sou nou. Sa vrèman estrawòdinè lè n ap reflechi sou jan Jewova konn tout ti detay sou chak moun ki sou tè a (Sòm 139:15-17)! Li kapab wè tout defo nou pran nan paran nou. Li menm konnen tout sa k rive nan lavi nou ki fè nou vin moun nou ye a. Lefètke Jewova byen konnen lèzòm konsa, ki sa sa pouse l fè? Sa pouse l fè nou mizèrikòd (Sòm 78:39; 103:13, 14). Jewova montre li dispoze padone. Li konprann akoz Adan, premye moun nan, te peche, nou tout vin anba malediksyon peche ak lanmò (Wom. 5:12). Pa gen anyen nou menm oswa okenn lòt moun te kapab fè pou n te soti anba malediksyon sa a (Sòm 49:7-9). Men, Bondye nou an ki gen lanmou te gen konpasyon pou nou e l te pran dispozisyon pou l libere nou. Jan 3:16 fè konnen, Jewova te voye sèl Pitit Gason li fè a vin mouri pou nou. — Mat. 20:28; Wom. 5:19. w22.06 3 § 5-6.
Madi 9 jiyè
Lè yon moun bon moun, se tèt li l fè byen. — Pwo. 11:17.
Nan ka Jòb la, Jewova te montre aklè si n padone lòt moun, l ap padone nou tou. Mesye sa a ki te fidèl te soufri anpil akoz yon seri pawòl ki te fè l mal twa mesye te di l, anpalan de Elifaz, Bildad ak Sofa. Jewova te di Jòb pou l priye pou yo. Apre Jòb te fin fè sa, Jewova te beni l (Jòb 42:8-10). Lè n ret fache se tèt nou nou fè mal. Lè n pa kenbe moun sou kè se yon chay lou ki sot sou do n, e se sa Jewova vle (Efe. 4:31, 32). Men konsèy li ban nou: “Pinga w fè kòlè, pinga w move.” (Sòm 37:8). N ap montre n gen sajès lè n suiv konsèy sa a. Lè nou ret fache, sa ka gen move efè sou kò nou ak lespri nou (Pwo. 14:30). Pa egzanp, si n ta bwè pwazon, se pa yon moun ki te mal aji avè n k ap gen pwoblèm. Menm jan an tou, si n ta kenbe yon moun ki te mal aji avè n sou kè, se pa li k ap gen pwoblèm. Okontrè, lè n padone lòt moun, se tèt nou nou fè byen. Lespri nou ak kè nou anpè, e nou kapab kontinye sèvi Jewova. w22.06 10 § 9-10.
Mèkredi 10 jiyè
Annou mete lafwa ak lanmou sou nou kòm pwotèj pwatrin, e kòm kas, annou mete esperans delivrans lan. — 1 Tes. 5:8.
Esperans nou an tankou yon kas senbolik ki pwoteje panse nou e ki anpeche n chwazi viv yon fason ki ta ka fè nou panse ak tèt nou sèlman, sa ki t ap fè n pa gen bon relasyon ak Jewova (1 Kor. 15:33, 34). Esperans nou an ki tankou yon kas kapab pwoteje nou tou pou n pa panse nou pap janm ka fè Jewova plezi. Sonje Elifaz, yon fo zanmi Jòb, te sèvi ak yon rezònman konsa lè l t ap pale ak Jòb. Elifaz te di: “Èske lòm ka pwòp nan je Bondye?” Apre sa, men sa l te di konsènan Bondye: “Gade! Bondye pa menm fè zanj li yo konfyans, menm syèl la pa pwòp nan je l.” (Jòb 15:14, 15). Sa se manti kri! Sonje se Satan ki vle nou panse konsa. Li konnen, si n kontinye panse konsa, n ap pèdi esperans nou genyen an. Donk, nou pa dwe kwè nan manti sa yo. Nou pa dwe janm gen dout Jewova vle nou viv pou toutan e l ap ede n reyalize objektif sa a. — 1 Tim. 2:3, 4. w22.10 25-26 § 8-10.
Jedi 11 jiyè
Jòb pa t peche ak bouch li. — Jòb 2:10.
Satan te vle Jòb kwè rezon ki fè l ap soufri se paske l pèdi favè Jewova. Pa egzanp, Satan te fè yon gwo van kraze kay kote toule dis pitit Jòb yo t ap manje ansanm (Jòb 1:18, 19). Epitou, li te fè dife sot nan syèl la vin detwi tout bèt Jòb yo, san wete moun ki t ap pran swen bèt yo (Jòb 1:16). Piske se nan syèl la van an ak dife a te soti, sa te fè Jòb panse se Jewova Dye ki te fè sa. Konsa, Jòb te kwè li te fè yon bagay ki te fè Jewova fache. Malgre sa, Jòb te refize pale Papa l ki nan syèl la mal. Jòb te rekonèt se Jewova ki te ba l pakèt bon bagay li te genyen yo. Se sa k fè l te di tèt Ii si l te kontan aksepte bon bagay, li ta dwe dispoze aksepte sa k pa bon yo tou. Donk, men sa l te di: “Se pou yo kontinye fè louwanj pou non Jewova.” — Jòb 1:20, 21. w22.06 21 § 7.
Vandredi 12 jiyè
Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen. Men, moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove. — Mak 13:13.
Jezi te bay disip li yo yon avètisman menm jan an nan Jan 17:14. Pa gen dout, nou wè pwofesi sa a k ap reyalize, sitou pandan dènye 100 an ki sot pase la yo. Sa k fè n di sa? Yon ti tan apre Jezi te vin Wa an 1914, yo te met Satan deyò nan syèl la. Kounye a, li ozalantou tè a, e talè konsa li pral detwi (Rev. 12:9, 12). Men, li pa ret san l pap fè anyen. Satan fache anpil e l ap pase raj li sou pèp Bondye a (Rev. 12:13, 17). Se poutèt sa monn nan vin pi rayi pèp Bondye a. Sepandan, nou pa gen okenn rezon pou n pè Satan ak akolit li yo. Okontrè, nou ka gen menm konviksyon ak apot Pòl ki te di: “Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou?” (Wom. 8:31). Nou kapab met tout konfyans nou nan Jewova. w22.07 18 § 14-15.
Samdi 13 jiyè
Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a. — Mat. 24:14.
Jezi pa t mande tèt li èske t ap gen ase moun pou preche nan fen sistèm nan. Li te konnen pawòl youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri a t ap reyalize. Men sa sòm nan di: “Moun ki nan pèp ou a ap ofri tèt yo san fòse nan jou w ap mennen lame w la nan batay la.” (Sòm 110:3). Si w ap patisipe nan travay predikasyon an, w ap kolabore ansanm ak Jezi ak esklav fidèl la e w ap patisipe nan reyalizasyon pwofesi sa a. Travay la ap fèt, men, gen anpil difikilte. Youn nan difikilte moun k ap preche mesaj Wayòm nan jwenn se opozisyon. Gen aposta, chèf relijye ak politisyen ki bay anpil moun manti sou travay nou an. Si fanmi nou, lòt moun nou konnen, ak kòlèg travay nou pran nan manti sa yo, yo ka fè presyon sou nou pou n sispann sèvi Jewova e pou n sispann preche. Nan kèk peyi, yo konn eseye fè n pè, yo konn menase nou, arete nou, e menm mete nou nan prizon. w22.07 8 § 1; 9 § 5-6.
Dimanch 14 jiyè
Nou dwe antre nan Wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon. — Tra. 14:22.
Jewova vle nou chèche tan pou nou etidye Labib regilyèman e pou n byen reflechi sou sa nou li yo. Lè n aplike sa n aprann yo, lafwa n vin pi solid e nou vin pi pwòch ak Papa nou ki nan syèl la. Konsa, nou vin gen plis fòs pou n andire eprèv nou jwenn yo. Jewova bay moun ki met konfyans yo nan Pawòl li a lespri sen tou. E lespri sen kapab ban nou “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou n ka andire nenpòt eprèv (2 Kor. 4:7-10). Grasa èd Jewova, “esklav fidèl ki prevwayan an” fè yon pakèt atik, videyo ak mizik ki kapab ede n vin gen yon lafwa ki solid e k ap ede n ret pwòch ak Jewova (Mat. 24:45). Jewova aprann sèvitè l yo pou yo renmen youn lòt e pou yo konsole youn lòt nan moman difisil (2 Kor. 1:3, 4; 1 Tes. 4:9). Frè n ak sè n yo toujou pare pou ede n ret fidèl lè n jwenn difikilte. w22.08 12 § 12-14.
Lendi 15 jiyè
Fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a. — Efe. 4:3.
Lè n pale konsènan bèl kalite frè n ak sè n yo genyen, nou ede yo pou yo vin pi pwòch youn ak lòt, e sa fè vin gen plis lanmou nan kongregasyon an. Pafwa, menm kretyen ki gen matirite ka pa antann yo oswa yo ka fè kont youn ak lòt. Sa te rive apot Pòl ak bon zanmi l Banabas. Pòl pa t dakò ditou ak Banabas ki te vle mennen Mak ansanm avèk yo nan vwayaj misyonè yo t apral fè a. Lè sa a, yo te “pete yon sèl lobo” e yo chak te fè wout pa yo (Tra. 15:37-39). Men, Pòl ansanm ak Banabas ak Mak te rezoud pwoblèm yo te genyen an. Annapre, Pòl te di bon bagay sou Banabas ak Mak (1 Kor. 9:6; Kol. 4:10). Nou menm tou, nou bezwen rezoud kèlkeswa pwoblèm nou ta ka genyen ak lòt moun nan kongregasyon an epi konsantre sou bèl kalite yo genyen. Konsa, n ap fè efò pou gen lapè ak tèt ansanm. w22.08 23 § 10-11.
Madi 16 jiyè
Sispann jije pou yo pa jije nou. — Mat. 7:1.
Pandan n ap fè efò pou n viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis, nou pa dwe jije lòt moun e nou pa dwe vin jis nan pwòp je pa nou. Nou bezwen sonje se Jewova ki “Jij tout tè a”. (Jen. 18:25.) Jewova pa ban nou jije moun. Ann pran egzanp Jozèf, yon moun ki te jis. Li te evite jije lòt moun, menm lè yo te mal aji avè l. Pwòp frè Jozèf te atake l. Yo te vann li kòm esklav, e yo te rive fè papa yo kwè Jozèf mouri. Plizyè ane annapre, Jozèf te wè fanmi l ankò. Piske lè sa a, li te yon gwo chèf, li te ka jije frè l yo yon fason ki di e l te ka chèche tire revanj. Frè Jozèf yo te pè pou l pa t fè sa, menmsi yo te montre yo vrèman regrèt sa yo te fè a. Sepandan, men asirans Jozèf te ba yo: “Nou pa bezwen pè. Èske se mwen menm ki Bondye?” (Jen. 37:18-20, 27, 28, 31-35; 50:15-21). Piske Jozèf te gen imilite, li te kite Jewova jije. w22.08 30 § 18-19.
Mèkredi 17 jiyè
Pa refize fè byen pou moun ki bezwen w fè sa pou yo, depi w kapab fè sa. — Pwo. 3:27.
Èske w te konnen Jewova kapab sèvi avè w pou l reponn priyè yon moun fè ak tout kè l? Ou kapab ede lòt moun, kit ou se yon ansyen, yon sèvitè ministeryèl, yon pyonye oswa yon pwoklamatè. Ou kapab fè sa tou, kit ou jèn kit ou granmoun, oubyen tou kit ou se yon frè oswa yon sè. Lè yon moun ki renmen Jewova rele l pou l mande l ede l, byen souvan, Bondye nou an konn sèvi ak ansyen yo e ak lòt sèvitè ki fidèl pou yo vin tounen “yon gwo rekonfò” pou moun sa a (Kol. 4:11). Se pa ti kontan nou kontan sèvi Jewova fason sa a e pou n ede frè n ak sè n yo nan sans sa a! Petèt nou kapab fè sa lè gen yon epidemi, yon katastwòf oswa lè gen pèsekisyon. Nou gendwa ta renmen ede lòt moun, men sa ka pa fasil si gen moun nan fanmi nou k ap soufri. Aktout sa, nou vle ede frè n ak sè n yo, e Jewova kontan lè n fè sa n kapab pou n ede yo. — Pwo. 19:17. w22.12 22 § 1-2.
Jedi 18 jiyè
Men kòmandman mwen bay: Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. — Jan 15:12.
Si nou vle moun fè n konfyans, nou bezwen gen lanmou pou yo. Jezi te di de pi gwo kòmandman yo se renmen Jewova epi renmen pwochen nou (Mat. 22:37-39). Nou renmen Jewova, se sa k fè nou vle imite egzanp pafè li bay antanke Sila a ki merite pou yo fè l konfyans. E piske nou renmen frè n ak sè n yo, nou pap rakonte vi prive yo. Nou pa t ap janm vle rakonte yon bagay ki te ka fè yo mal, ki te ka fè yo jennen, oswa ki te ka fè yo soufri. Epitou, imilite ap ede nou pou n merite pou yo fè n konfyans. Yon kretyen ki gen imilite pa chèche fè lòt moun konprann li se premye moun ki gen yon enfòmasyon (Flp. 2:3). Li pa montre li se yon pakèt afè lè l chèche fè lòt moun konprann li konn yon bagay enpòtan, men l pa ka di l. Epitou, imilite ap anpeche nou gaye pwòp opinyon pa nou sou yon seri bagay ni Bib la ni piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la pa di anyen sou sa. w22.09 12 § 12-13.
Vandredi 19 jiyè
Vrè konesans lan ap vin anpil. — Dàn. 12:4.
Gen yon zanj ki te fè Dànyèl konnen pèp Bondye a t ap vin pi byen konprann pwofesi ki nan liv Dànyèl la, men “moun ki mechan yo [t ap] kontinye fè sa ki mal, e yo youn [pa t ap] konprann”. (Dàn. 12:10.) Kounye a se moman pou n montre nou pa fè pati mechan yo (Mal. 3:16-18). Jewova ap rasanble moun li konsidere kòm “yon byen espesyal”, sa vle di, moun ki gen anpil valè pou li. Se sèten, nou ta renmen pami moun sa yo. Vrèmanvre, n ap viv nan yon epòk ki estrawòdinè. Men, gen bagay ki pi estrawòdinè toujou ki pral rive talè konsa. Talè konsa, nou pral wè lè tout mechanste pral fini. Apre sa, nou pral wè pwomès Bondye te fè Dànyèl la k ap reyalize. Men sa l te di l: “Ou pral leve kanpe pou w jwenn pòsyon pa w la nan fen jou yo.” (Dàn. 12:13). Èske w anvi wè lè Dànyèl ansanm ak moun pa w yo pral “leve kanpe” ankò? Si w ta renmen sa, fè tout sa w kapab depi kounye a pou w fidèl, konsa w ap kapab gen asirans non w ap ret ekri nan liv lavi Jewova a. w22.09 24 § 17; 25 § 19-20.
Samdi 20 jiyè
M ap voye w. — Eze. 2:3.
Pawòl sa yo dwe te bay Ezekyèl fòs. Sa k fè sa? Sandout li te sonje Jewova te di Moyiz ak Ezayi prèske menm pawòl sa yo lè l te chwazi yo kòm pwofèt (Egz. 3:10; Eza. 6:8). Ezekyèl te konnen tou fason Jewova te ede de pwofèt sa yo pou yo te fè travay difisil yo te genyen yo. Donk, lè Jewova te di Ezekyèl pandan de fwa: “M ap voye w”, pwofèt la te gen bonjan rezon pou l kwè Jewova t ap ede l. Epitou, men deklarasyon nou jwenn nan liv Ezekyèl la plizyè fwa: “Jewova pale avè m, li di m.” (Eze. 3:16). Anplis de sa, deklarasyon ki di: “Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m” nan parèt plizyè fwa (Eze. 6:1). Pa gen dout, Ezekyèl te gen konviksyon se Jewova ki te voye l. Mete sou sa, lefètke Ezekyèl te pitit yon prèt, sandout papa l te aprann li Jewova te toujou bay pwofèt Li yo asirans l ap ede yo. Pa egzanp, Jewova te di ni Izarak, ni Jakòb, ni Jeremi: “Mwen avè w.” — Jen. 26:24; 28:15; Jer. 1:8. w22.11 2 § 3.
Dimanch 21 jiyè
Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an [...]. — Jan 17:3.
Malgre Adan ak Èv te peche sa ki te fè pitit yo te vin genyen yo t ap gen pou yo mouri, Jewova pa t chanje lide anrapò ak objektif li (Eza. 55:11). Li toujou gen objektif pou moun ki fidèl yo viv pou toutan. Sa parèt klè lè n konsidere sa Jewova di ak sa l fè pou l reyalize objektif li. Jewova pwomèt l ap resisite moun ki mouri yo e l ap ba yo posiblite pou yo viv pou toutan (Tra. 24:15; Tit 1:1, 2). Jòb, yon moun ki te fidèl, te gen asirans Jewova anvi resisite moun ki mouri yo (Jòb 14:14, 15). Pwofèt Dànyèl te konnen moun t ap gen pou yo resisite avèk posiblite pou yo viv pou toutan. (Sòm 37:29; Dàn. 12:2, 13) Juif nan epòk Jezi yo te konnen tou Jewova te kapab bay sèvitè fidèl li yo “lavi ki pap janm fini an”. (Lik 10:25; 18:18.) Jezi te pale de pwomès sa a plizyè fwa, e Papa l te resisite l. — Mat. 19:29; 22:31, 32; Lik 18:30; Jan 11:25. w22.12 4-5 § 8-9.
Lendi 22 jiyè
Mwen gen konfyans nan ou, o Jewova. — Sòm 31:14.
Jewova mande n vin pwòch avè l (Jak 4:8). Li vle vin Bondye nou, Papa nou epi Zanmi nou. Li reponn priyè nou yo epi li ede n lè n nan sitiyasyon difisil. Epi li sèvi ak òganizasyon l lan pou l anseye n e pou l pwoteje n. Nou kapab pwoche bò kote Jewova lè n priye l, lè n li Pawòl li a e lè n medite sou sa n li yo. Lè n fè sa, nou vin renmen l anpil e nou vin gen anpil rekonesans pou sa l fè pou nou. Nou vle obeyi l e n vle fè louwanj pou li paske li vrèman merite sa (Rev. 4:11). Plis nou vin konnen Jewova, se plis n ap fè ni li menm ni òganizasyon l mete pou ede nou an konfyans. Sepandan, Dyab la ap eseye tikras pa tikrasfè n sispann fè Jewova ak òganizasyon l lan konfyans. Men, nou kapab reziste devan atak li yo. Lè lafwa n solid e nou gen yon konfyans total nan Jewova, nou pap vire do bay Bondye nou an ak òganizasyon l lan. — Sòm 31:13, 14. w22.11 14 § 1-3.
Madi 23 jiyè
Yo te pito mouri pase pou yo sèvi lòt dye oubyen pase pou yo adore lòt dye, sof Bondye yo a. — Dàn. 3:28.
Anpil vrè kretyen riske libète yo e yo menm riske lavi yo paske yo renmen Jewova, Sila a ki gen dwa pou l dirije yo antanke Souvren an. Yo pran detèminasyon pou yo ret fidèl ak Jewova. Yo aji menm jan ak twa Ebre yo ki te ret fidèl ak Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ki te sove yo nan founèz dife a. Men sa David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, te ekri pou montre jan l enpòtan pou n ret fidèl ak Bondye: “Jewova ap bay pèp yo santans yo. Fè m jistis, o Jewova, paske mwen mache dwat devan w e mwen fidèl.” (Sòm 7:8). Men sa David te ekri ankò: “Se pou fidelite m ak jistis mwen pwoteje m.” (Sòm 25:21). Pi bon fason pou n viv, se ret fidèl ak Jewova! Konsa, n ap santi nou menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te di: “Byennere moun ki kenbe fidelite yo [...], moun ki mache selon lwa Jewova yo.” — Sòm 119:1, nòt. w22.10 17 § 18-19.
Mèkredi 24 jiyè
Kalite li yo ki envizib [...] parèt klè depi nan kreyasyon monn nan. — Wom. 1:20.
Pami tout konvèsasyon Jòb te genyen pandan tout vi l, gen youn ladan yo ki dwe te make l anpil, se konvèsasyon l te gen ak Jewova Dye a. Pou Jewova te fè Jòb gen plis konfyans nan sajès Li genyen ak kapasite Li genyen pou L pran swen sèvitè L yo, li te atire atansyon l sou kèk bagay estrawòdinè ki gen nan lanati. Pa egzanp, Bondye te fè Jòb sonje se Li menm ki pran swen bèt yo, donk, Li kapab pran swen l tou (Jòb 38:39-41; 39:1, 5, 13-16). Lè Jòb te reflechi sou sa l te wè nan kreyasyon an, li te aprann anpil bagay sou kalite Bondye l la genyen. Nou menm tou nou kapab aprann plis sou Bondye nou an lè n egzamine sa l kreye yo. Sepandan, li ka pa toujou fasil pou n fè sa. Si n ap viv nan yon vil, se pa chak jou nou ka rive wè anpil bagay nan lanati. Menmsi n ap viv nan zòn andeyò, nou ka santi n pa gen anpil tan pou n egzamine lanati. men li enpòtan pou n pran tan pou n egzamine kreyasyon an e pou n fè efò pou sa. w23.03 15 § 1-2.
Jedi 25 jiyè
Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache. — Pwo. 22:3.
Jezi te di anvan lafen an vini t ap gen “gwo tranblemanntè” ak lòt katastwòf ankò (Lik 21:11). Li te anonse tou “mechanste [t] ap ogmante”, e nou viv sa jodi a lè n wè krim, vyolans ak zak teworis k ap fèt (Mat. 24:12). Jezi pa t janm di si malè sa yo frape n se paske Jewova abandone n. Anfèt, anpil sèvitè Jewova ki fidèl viktim akoz katastwòf ak lòt malè (Eza. 57:1; 2 Kor. 11:25). Jewova ka pa fè yon mirak pou l pwoteje n kont tout katastwòf, men, l ap ban nou tout sa n bezwen pou n ret kalm e pou n santi n anpè. L ap pi fasil pou n rete kalm lè gen yon danje si n te fè preparasyon davans. Lefètke nou fè preparasyon davans, èske sa vle di nou pa gen lafwa nan Jewova? Non, se pa sa ditou. An reyalite, lè n prepare n davans pou si ta vin gen yon katastwòf, sa montre nou gen lafwa Jewova kapab pran swen nou. Nan ki sans? Pawòl Bondye a ankouraje n pou n prepare n pou si ta vin gen katastwòf. w22.12 18 § 9-10.
Vandredi 26 jiyè
Se pou n te ka rete vivan ki fè Bondye te voye m vin anvan nou isit la. — Jen. 45:5.
Pandan Jozèf te nan prizon, Jewova te fè wa Ejip la fè de rèv ki te boulvèse l. Lè wa a te aprann Jozèf kapab esplike rèv, li te voye chèche l. Grasa èd Jewova, Jozèf te esplike Farawon rèv yo e Farawon te sezi wè bon konsèy Jozèf te ba li. Lè Farawon te wè Jewova avèk jèn gason sa a, Farawon te met Jozèf administratè pou okipe kesyon manje nan tout peyi Ejip (Jen. 41:38, 41-44). Annapre, te vin gen yon gwo grangou ki te frape peyi Ejip e ki te frape peyi Kanaran tou, kote fanmi Jozèf t ap viv. Kounye a, Jozèf te vin gen posiblite pou l sove fanmi l e sa te pèmèt li pwoteje liy fanmi kote Mesi a t apral soti a. Pa gen dout, se Jewova ki te fè Jozèf reyisi nan tout sa l fè. Menm lè frè Jozèf yo te vle touye l, alafen Jewova te chanje sitiyasyon an yon fason pou L te kapab reyalize objektif Li. w23.01 17 § 11-12.
Samdi 27 jiyè
Veye kò nou. — Lik 21:34.
Yon moun k ap veye kò l ap veye nenpòt danje ki kapab menase relasyon l ak Jewova, e l ap fè efò pou l evite yo. Konsa, li rete nan lanmou Bondye (Pwo. 22:3; Jid 20, 21). Apot Pòl te di kretyen yo pou yo veye kò yo. Pa egzanp, men sa l te di kretyen nan vil Efèz yo: “Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj.” (Efe. 5:15, 16). Satan toujou ap chèche kraze relasyon n ak Jewova, se sa k fè Bib la ankouraje n pou n “kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye” pou n ka fè fas ak kèlkeswa atak Satan ap fè sou nou. (Efe. 5:17). Pou n pran bon desizyon, nou bezwen chèche konprann ki sa “volonte Jewova” ye. N ap kapab fè sa lè n li Pawòl Bondye a regilyèman e lè n medite sou li. Plis nou konprann sa volonte Jewova ye e nou chèche gen “panse Kris la”, se plis n ap ka mache “tankou moun ki saj”, menm lè n pa gen yon seri règ byen klè pou di nou sa pou n fè. — 1 Kor. 2:14-16. w23.02 16-17 § 7-9.
Dimanch 28 jiyè
Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè. — Wom. 12:2.
Chak ki lè w netwaye kay ou? Petèt anvan w te vin rete nan kay la, ou te byen netwaye l. Men, ki sa k ap rive si w pa janm netwaye l ankò? Jan w deja konn sa, nan yon bat je, pousyè ak salte t ap plen kay la. Pou kay nou ka toujou pwòp, nou bezwen netwaye l regilyèman. Nou dwe kontinye fè menm jan an ak panse nou ak pèsonalite nou. Nòmalman, anvan n te batize, nou te fè anpil efò pou n te fè chanjman ki nesesè yo nan lavi n yon fason pou n te ka “pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a”. (2 Kor. 7:1.) Men kounye a, nou bezwen suiv konsèy apot Pòl te bay la pou n “kontinye renouvle mantalite” nou (Efe. 4:23). Nan yon bat je, enfliyans monn nan ka fè nou vin pa pwòp devan Jewova. Pou anpeche sa rive e pou n rete pwòp devan Jewova, nou dwe kontinye egzamine fason n panse, pèsonalite nou ak dezi nou. w23.01 8 § 1-2.
Lendi 29 jiyè
Jan wè lespri Bondye k ap desann vin sou Jezi sou fòm yon pijon. — Mat. 3:16.
Imajine jan sa te ye pou yon moun tande Jezi k ap anseye. Byen souvan, li te konn site Ekriti sakre yo pa kè! Lè Jezi t ap batize e lespri sen te desann sou li, pa gen dout li te sonje lavi l te genyen anvan l te vin sou tè a. Premye pawòl Jezi te di lè l te fin batize e kèk nan dènye pawòl li te di anvan l mouri te soti nan Ekriti yo (Det. 8:3; Sòm 31:5; Lik 4:4; 23:46). E pandan twazan edmi ki te pase ant batèm Jezi ak lanmò l, souvan, li te konn li pasaj nan Ekriti yo devan lòt moun, li te konn site yo e l te konn esplike yo tou (Mat. 5:17, 18, 21, 22, 27, 28; Lik 4:16-20). Plizyè ane anvan Jezi te kòmanse sèvis li, li te konn li Pawòl Bondye a souvan e l te konn tande lè yo t ap li l tou. Lè Jezi t ap viv lakay paran l, Jozèf ak Mari, sandout li te konn tande yo k ap site Ekriti yo (Det. 6:6, 7). Mete sou sa, Jezi te konn al nan sinagòg la ak fanmi l chak saba (Lik 4:16). Pandan l te nan sinagòg la, li dwe te konn byen koute pandan y ap li Ekriti yo. w23.02 8 § 1-2.
Madi 30 jiyè
Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an. — Mak 12:30.
Gen yon pil ak pakèt rezon ki ta dwe pouse w renmen Jewova. Pa egzanp, ou aprann se li menm ki “sous lavi a” e li se Sila a ki bay “tout bèl don ak tout kado pafè”. (Sòm 36:9; Jak 1:17.) Kèlkeswa bon bagay ou posede, se Bondye nou an ki gen lanmou ki renmen bay ki fè w genyen l. Ranson an se yon kado estrawòdinè Jewova ban nou. Sa k fè n di sa? Panse ak bon relasyon ki gen ant Jewova ak Pitit Gason l lan. Jezi te di: “Papa a renmen m.” E li te di tou: “Mwen renmen Papa a.” (Jan 10:17; 14:31). Apre yo te fin fè plizyè milya ane ap viv ansanm, yo te vin pi bon zanmi toujou (Pwo. 8:22, 23, 30). Kounye a, panse ak jan sa dwe te fè Bondye mal pou l kite Pitit Gason l lan soufri epi mouri. Jewova tèlman renmen lèzòm, e l tèlman renmen w, li te dispoze bay sèl Pitit Gason li fè a kòm sakrifis yon fason pou ou menm ak lòt moun viv pou toutan (Jan 3:16; Gal. 2:20). Se pi gwo rezon n genyen pou n renmen Bondye! w23.03 4-5 § 11-13.
Mèkredi 31 jiyè
Kenbe sa nou genyen an fèm. — Rev. 2:25.
Nou pa dwe gen okenn kontak ak ansèyman aposta yo. Jezi te fè kèk kretyen nan kongregasyon Pègam ki t ap simen divizyon nan mitan frè yo kèk repwòch (Rev. 2:14-16). Li te felisite kretyen nan kongregasyon Tiyati ki te rete lwen “bagay pwofon Satan yo” e li te ankouraje kretyen sa yo pou yo “kenbe” laverite “fèm”. (Rev. 2:24-26.) Kretyen ki pa t fin djanm nan kongregasyon sa a ki te kite fo ansèyman pran tèt yo te bezwen repanti. E nou menm jodi a? Nou pa dwe gen okenn kontak ak kèlkeswa ansèyman ki pa ann amoni ak fason Jewova panse. Aposta yo ka “parèt gen atachman pou Bondye”, men, y ap aji “yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a”. (2 Tim. 3:5.) Li pi fasil pou n idantifye fo ansèyman yo e pou n rete lwen yo lè nou gen bon abitid pou n etidye Pawòl Bondye a (2 Tim. 3:14-17; Jid 3, 4). Li enpòtan pou n chèche wè si Jewova aksepte adorasyon n ap ba li a. Si gen yon bagay n ap fè ki ta ka fè l pa aksepte adorasyon n ap ba li a, nou bezwen aji san pèdi tan pou n sispann fè l. — Rev. 2:5, 16; 3:3, 16. w22.05 4 § 9; 5 § 11.