Out
Jedi 1ye out
Yo ekri non moun ki gen lakrentif pou li yo ak moun k ap medite sou non l yo nan yon liv devan l pou l sonje yo. — Mal. 3:16.
Gen moun pawòl k ap sot nan bouch yo montre yo gen lakrentif pou Jewova e y ap medite sou non L, e Jewova ap fè ekri non moun sa yo nan “liv [li a] pou l sonje yo”. Èske w ka wè yon rezon ki fè l ap fè sa? Pawòl nou di montre sa k nan kè nou. Men sa Jezi te di: “Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l.” (Mat. 12:34). Jewova vle moun ki renmen l yo viv pou toutan nan monn nouvo a ak kè kontan. Pawòl k ap sot nan bouch nou ka montre si Jewova ap aksepte adorasyon n ap ba li a (Jak 1:26). Pami moun ki pa renmen Bondye yo, gen nan yo ki pale yon fason ki montre yo agresif, yo malelve e yo gen ògèy (2 Tim. 3:1-5). Nou pa t ap janm renmen vin menm jan ak yo. Nou vrèman vle pou pawòl k ap sot nan bouch nou fè kè Jewova kontan. Men, èske Jewova ap kontan si nou pale avèk jantiyès lè n nan reyinyon oswa lè n ap preche, epi nou pale byen rèd ak moun nan fanmi nou lè pa gen lòt moun ki la? — 1 Pyè 3:7. w22.04 5 § 4-5.
Vandredi 2 out
[Yo] pral rayi pwostitye a, y ap dechèpiye l, y ap mete l toutouni, y ap manje chè l, e y ap boule l nèt nan dife. — Rev. 17:16.
Bondye mete lide nan kè dis kòn nan ak ak bèt sovaj la pou yo detwi Gwo Babilòn nan. Wi, Jewova pral fè nasyon yo sèvi ak bèt sovaj wouj vif la, anpalan de Nasyonzini, pou atake tout fo relijyon nan monn nan e pou detwi yo nèt (Rev. 18:21-24). Ki sa sa mande pou n fè? Nou bezwen kontinye ret nan “adorasyon ki pwòp e ki san salte selon Bondye nou an”. (Jak 1:27.) Nou pa ta dwe janm kite fo ansèyman Gran Babilòn nan enfliyanse nou, san wete fèt payen y ap selebre yo, prensip moral yo genyen ki vrèman ba, ak sa y ap pratike ki gen rapò ak movèzespri! E n ap kontinye avèti moun yo pou yo “sot ladan l” yon fason pou Bondye pa kondane yo ansanm avè l. — Rev. 18:4. w22.05 11 § 17; 14 § 18.
Samdi 3 out
M ap fè konnen aksyon Jewova fè ki montre lanmou fidèl li genyen. — Eza. 63:7.
Nou menm paran, chèche kreye okazyon pou w aprann pitit ou konnen Jewova e pou w pale avèk yo sou tout sa Jewova fè pou ou (Det. 6:6, 7). Sa pi enpòtan toujou si w pa kapab etidye regilyèman ak pitit ou lakay ou akoz w ap viv nan yon kay kote se pa tout moun k ap sèvi Jewova. Gen yon sè ki rele Christine ki di: “Se yon lè konsa nou te konn jwenn okazyon pou n pale konsènan Jewova.” Anplis de sa, ou bezwen pale yon fason ki pozitif konsènan òganizasyon Jewova a e konsènan frè ak sè yo. Pa kritike ansyen yo. Sa w di konsènan ansyen yo kapab ede pitit ou al pale avèk yo lè yo bezwen èd. Kontinye fè efò pou gen lapè nan kay la. Toujou montre mari w ak pitit ou ou renmen yo. Lè w ap pale konsènan mari w, pale yon fason ki montre w gen respè pou li, e aprann timoun yo pou yo fè menm jan an. Lè w fè sa, w ap kreye yon bèl anbyans nan kay la k ap fè l pi fasil pou timoun yo aprann konnen Jewova. — Jak 3:18. w22.04 18 § 10-11.
Dimanch 4 out
Mwen konnen sa w fè. — Rev. 3:1.
Mesaj Jezi te bay kretyen nan kongregasyon Efèz yo montre yo te gen andirans e yo te kontinye sèvi Jewova malgre yo te jwenn anpil difikilte. Aktout sa, yo te pèdi lanmou yo te gen okòmansman an. Yo te bezwen fè efò pou yo te vin gen lanmou sa a ankò. Si yo pa t fè sa, Jewova pa t ap aksepte adorasyon yo t ap ba li a. Menm jan an tou jodi a, nou pa dwe annik andire sèlman. Nou bezwen andire pou bonjan rezon. Se pa sèlman sa nou fè ki enterese Bondye nou an, men, rezon ki pouse nou fè yon bagay enterese l tou. Rezon ki pouse nou aji gen anpil enpòtans pou li, paske li vle se bonjan lanmou ak rekonesans nou gen pou li ki fè nou adore l (Pwo. 16:2; Mak 12:29, 30). Nou dwe ret je klè epi kontinye veye. Kretyen nan kongregasyon Sad yo te gen yon lòt pwoblèm. Byenke okòmansman yo te chofe nan sèvis yo t ap bay Bondye a, yo te vin ap fè neglijans. Jezi te di yo pou yo “reveye”. (Rev. 3:1-3.) Jewova pap bliye travay nou fè. — Ebre 6:10. w22.05 3 § 6-7.
Lendi 5 out
Kèlkeswa kalite travay di yon moun fè gen avantaj ladan l. — Pwo.14:23.
Salomon te fè konnen lè nou travay di, sa ka fè n gen kè kontan e l te di sa se “kado Bondye bay”. (Ekl. 5:18, 19). Salomon te konn sa l t ap di. Li se yon moun ki te konn travay! Li te bati kay, li te plante plizyè jaden rezen e li te fè jaden ak pisin. Li te bati vil tou (1 Wa 9:19; Ekl. 2:4-6). Li te travay di, e pa gen dout sa te ba l anpil satisfaksyon. Men, Salomon te konnen se pa bagay sa yo sèlman ki t ap fè l gen kè kontan toutbon. Li te fè anpil bagay pou Jewova tou. Pa egzanp, li te sipèvize konstriksyon yon bèl tanp pou moun vin adore Jewova, yon pwojè ki te dire setan (1 Wa 6:38; 9:1)! Apre Salomon te fin patisipe nan divès aktivite, ni sa ki gen rapò ak travay ni sa ki gen rapò ak sèvis Jewova, li te rann li kont aktivite ki gen rapò ak sèvis Jewova pi enpòtan lontan pase lòt aktivite yo. Men sa l te ekri: “Apre tout sa m fin di la yo, men sa k pi enpòtan an: Gen lakrentif pou vrè Dye a epi obeyi kòmandman l yo.” — Ekl. 12:13. w22.05 22 § 8.
Madi 6 out
Bondye padone nou ak tout kè l grasa Kris. — Efe. 4:32.
Bib la gen anpil egzanp moun Jewova te padone ak tout kè l. Ki moun ki vin nan lespri w? Petèt w ap panse ak wa Manase. Wa mechan sa a te fè yon seri peche grav kont Jewova. Li te adore fo dye e l te ankouraje lòt moun fè menm jan an. Li te touye pwòp pitit li, li te sakrifye yo bay fo dye. Li te menm mete yon zidòl nan tanp Jewova a ki sakre. Men sa Bib la di konsènan wa Manase: “Li te fè anpil bagay ki mal nan je Jewova pou l fè l fache.” (2 Kwo. 33:2-7). Aktout sa, lè Manase te montre l repanti toutbon, Jewova te padone l ak tout kè l (2 Kwo. 33:12, 13). Petèt w ap panse ak wa David tou ki te fè yon seri peche grav kont Jewova, san wete adiltè ak krim. Men, lè David te repanti toutbon e li te rekonèt li te antò, Jewova te padone l tou (2 Sam. 12:9, 10, 13, 14). Wi, nou kapab sèten Jewova dispoze padone. w22.06 3 § 7.
Mèkredi 7 out
Montre nou gen pasyans, fè kè nou fèm. — Jak 5:8.
Li pa toujou fasil pou n kenbe esperans nou genyen an fèm. Nou ka vin pèdi pasyans pandan n ap tann Bondye. Sepandan, Jewova ap toujou la, e fason l konsidere tan pa menm jan ak fason n konsidere tan (2 Pyè 3:8, 9). L ap reyalize objektif li pi bon fason an, men l gendwa pa aji nan lè n t ap atann nan. Ki sa k ka ede n kontinye kenbe esperans nou genyen an fèm pandan n ap tann avèk pasyans pou Bondye reyalize pwomès li fè yo (Jak 5:7, 8)? Ret pwòch ak Jewova, li menm k ap fè sa n espere yo reyalize. Anfèt, Bib la montre pou n gen esperans nou dwe gen lafwa Jewova egziste e li se Sila a ki “rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre”. (Ebre 11:1, 6) Plis Jewova reyèl pou nou, se plis n ap gen konfyans l ap fè tout sa l pwomèt yo. Pou n kenbe esperans nou genyen an fèm. Nou dwe priye Jewova, epi li Pawòl li a. Byenke n pa ka wè Jewova, nou ka vin pwòch avè l. Nou ka priye l, paske nou gen konfyans l ap koute n. — Jer. 29:11, 12. w22.10 26-27 § 11-13.
Jedi 8 out
Jòb te kòmanse pale e li te bay jou l te fèt la madichon. — Jòb 3:1.
Imajine sitiyasyon an. Jòb chita nan sann e l ap soufri san rete (Jòb 2:8). Zanmi l yo pa sispann manke l dega e y ap chèche sal repitasyon l. Eprèv li yo rèd anpil e li nan gwo lapenn pou pitit li yo ki mouri. Okòmansman, Jòb pa di anyen (Jòb 2:13). Si zanmi Jòb yo panse lefètke l pa di anyen, se vire l vire do bay Kreyatè l la, yo nan gwo erè. Rive yon lè, petèt Jòb leve tèt li pou l gade swadizan zanmi l yo nan je, li di: “Jiskaske m mouri, mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!” (Jòb 27:5). Ki sa k te ede Jòb gen kouraj ak kran konsa malgre li t ap soufri anpil? Menm lè bagay yo te rèd anpil pou li, li te toujou gen konfyans Bondye l la ki renmen l t ap ede l. Li te konnen menmsi l ta mouri, Jewova t ap resisite l. — Jòb 14:13-15. w22.06 22 § 9.
Vandredi 9 out
Kidonk, men ki jan nou dwe priye: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt.” — Mat. 6:9, 10.
Nou gen yon privilèj estrawòdinè, se privilèj pou n priye Sila a ki fè syèl la ak tè a. Jis fè yon ti reflechi: Nou kapab vide kè n bay Jewova nenpòt lè, nan nenpòt lang. Nou kapab priye Jewova pandan n sou kabann lopital oswa lè n fèmen nan prizon, paske nou gen konfyans Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou ap koute n. Nou gen anpil rekonesans pou privilèj sa a. Wa David te bay privilèj li genyen pou l priye a anpil valè. Men sa l te di Jewova nan yon chante: “Se pou priyè m nan tankou lansan ki byen prepare y ap prezante devan w.” (Sòm 141:1, 2). Nan epòk David la, yo te konn prepare lansan sakre prèt yo te konn itilize nan vrè adorasyon an avèk anpil swen (Egz. 30:34, 35). Lefètke David te konpare priyè l la ak lansan, sa montre li te vle byen reflechi sou sa l t apral di Papa l ki nan syèl la. Nou menm tou nou ta renmen fè sa ak tout kè n. Nou vle pou priyè nou yo fè Jewova plezi. w22.07 20 § 1-2; 21 § 4.
Samdi 10 out
“Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.” Se sa Jewova di. — Wom. 12:19.
Se Jewova ki gen dwa fè vanjans. Jewova pa ban nou dwa pou n tire revanj lè yon moun peche kont nou (Wom. 12:20, 21). Lefètke nou enpafè e nou pa konn tout bagay, nou pa gen kapasite pou n byen jije menm jan ak Bondye (Ebre 4:13). E pafwa, nou konn kite santiman anpeche n fè sa n dwe fè. Men sa Jewova te fè Jak ekri: “Kòlè lèzòm pa reyalize sa jistis Bondye mande.” (Jak 1:20). Nou kapab gen asirans Jewova ap fè sa ki kòrèk la e l ap veye pou jistis fèt jan l dwe fèt la. Lè nou padone, nou montre nou gen konfyans Jewova ap fè n jwenn jistis. Lè nou kite bagay yo nan men Jewova, nou montre nou gen konfyans Jewova ap elimine tout pwoblèm peche lakòz. Nan monn nouvo l pwomèt la, bagay ki te konn fè moun soufri yo “pap vin nan lespri [nou], e [nou pap janm] gen bagay konsa nan kè” nou ankò. — Eza. 65:17. w22.06 10-11 § 11-12.
Dimanch 11 out
Tout nasyon ap rayi nou poutèt non mwen. — Mat. 24:9.
Lefètke yo rayi nou konsa, se prèv ki montre nou gen favè Jewova (Mat. 5:11, 12). Se Dyab la ki dèyè opozisyon sa a. Men, Jezi gen plis pisans pase l! Grasa èd Jezi, moun tout nasyon rive jwenn bon nouvèl la. Ann wè prèv ki montre sa. Lefètke gen anpil lang, sa se yon lòt difikilte nou jwenn lè n ap preche mesaj Wayòm nan. Nan revelasyon Jezi te bay apot Jan an, li te fè konnen kesyon lang nan pa t ap anpeche n preche bon nouvèl la nan epòk nou an. (Rev. 14:6, 7) Ki jan? Nou bay anpil moun posiblite pou yo montre si y ap aksepte mesaj Wayòm nan oswa si yo pap aksepte l. Jodi a, moun toupatou sou tè a kapab li piblikasyon ki baze sou Bib la sou sit Entènèt jw.org la, paske li gen enfòmasyon nan plis pase 1000 lang! Kolèj santral la bay otorizasyon pou yo tradui liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an nan plis pase 700 lang. Se liv sa a nou plis itilize pou n fè disip! w22.07 9 § 6-7.
Lendi 12 out
Tout bagay mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy. — Pwo. 11:14.
Jezi te gen pitye pou moun. Men sa apot Matye fè konnen: “Lè l wè foul moun yo, li gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje.” (Mat. 9:36). E Jewova li menm, ki jan l santi l? Men sa Jezi te di: “Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri.” (Mat. 18:14). Èske pawòl sa yo pa touche kè n? Donk, tank nou aprann konn Jezi pi byen, se tank nou vin pi renmen Jewova. Yon lòt fason w ka vin pi renmen Jewova epi fè pwogrè antanke kretyen, se lè w pase tan ak frè ak sè ki gen matirite nan kongregasyon an. Gade jan yo gen anpil kè kontan. Yo pa janm regrèt desizyon yo te pran pou yo sèvi Jewova. Mande yo rakonte w kèk eksperyans yo te fè nan sèvis Jewova a. Lè w gen yon desizyon enpòtan pou w pran, mande yo konsèy. Dayè, “tout bagay mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy”. w22.08 3 § 6-7.
Madi 13 out
Je Jewova sou moun ki jis yo. — 1 Pyè 3:12.
Nou tout ap jwenn eprèv yon fason oswa yon lòt. Men, nou pap janm poukò n lè n nan eprèv. Menm jan ak yon papa ki gen lanmou, Jewova toujou ap voye je sou nou. Li toupre nou, li pare pou l tande n lè n ap sipliye l pou mande l èd, e l vle ede n (Eza. 43:2). Nou gen konviksyon nou kapab fè fas ak pwoblèm nou yo paske l ban nou tout sa n bezwen pou n andire. Li ban nou privilèj pou nou priye l, li ban nou Labib, li ban nou tout sa n bezwen pou n sèvi l, e li ban nou yon fanmi frè ak sè ki gen lanmou pou ede n nan moman nou bezwen sa. Se pa ti rekonesans nou genyen lefètke nou gen yon Papa nan syèl la k ap voye je sou nou! “Se li ki fè kè n kontan.” (Sòm 33:21). N ap montre Jewova nou gen rekonesans pou fason l byen pran swen nou lè n pwofite tout dispozisyon li pran pou ede n. Nou menm tou nou bezwen fè efò pou Bondye ka toujou pran swen nou. Sa vle di, si nou kontinye fè tout sa n kapab pou n obeyi Jewova e pou n fè sa ki dwat nan je l, l ap voye je sou nou pou toutan! w22.08 13 § 15-16.
Mèkredi 14 out
Se tout pawòl ou nèt ki laverite. — Sòm 119:160.
Anpil moun jodi a pa konn kiyès pou yo fè konfyans. Yo pa fin kwè yon seri moun yo respekte, pa egzanp politisyen yo, syantifik yo ak biznismann yo, vrèman nan enterè yo. Mete sou sa, yo pa gen respè pou chèf relijye ki di yo se kretyen yo. Donk, nou pa sezi lefètke yo gen dout sou liv chèf relijye sa yo di y ap suiv la, anpalan de Bib la. Antanke sèvitè Jewova nou gen konviksyon li se “Bondye verite a” e li toujou vle sa ki pi bon an pou nou (Sòm 31:5; Eza. 48:17). Nou konnen nou kapab fè sa nou li nan Bib la konfyans. Nou dakò ak pawòl yon biblis te ekri ki di: “Pa gen anyen Bondye di ki pa laverite oswa ki pap janm pa reyalize. Pèp Bondye a kapab kwè sa l di paske yo fè Dye ki di l la konfyans.” w23.01 2 § 1-2.
Jedi 15 out
Annou voye je youn sou lòt. — Ebre 10:24.
Nou ankouraje frè n ak sè n yo lè n ede yo gen yon lafwa solid nan Jewova. Gen nan yo, moun ki pa kwayan ap pase yo nan rizib. Gen lòt ankò ki gen gwo pwoblèm sante oswa ki santi yo dekouraje akoz yon bagay yo te fè yo. Gen lòt menm ki gen lontan depi y ap tann lafen an vini. Sitiyasyon sa yo kapab pase lafwa kretyen yo anba eprèv jodi a. Frè ak sè nan kongregasyon premye syèk la te viv yon seri sitiyasyon menm jan an. Apot Pòl te sèvi ak Ekriti yo pou l te fòtifye lafwa frè l ak sè l yo. Pa egzanp, kretyen juif yo te ka pa konn sa pou yo di moun nan fanmi yo ki pa kwayan ki te konn fè konnen relijyon juif la pa kanmarad relijyon kretyen an. Pa gen dout, lèt Pòl te ekri kretyen ebre yo te vrèman ankouraje yo (Ebre 1:5, 6; 2:2, 3; 9:24, 25). Yo te kapab sèvi ak bonjan rezònman Pòl te fè yo pou yo te ka konn sa pou yo di moun ki te opoze ak yo. w22.08 23-24 § 12-14.
Vandredi 16 out
Benediksyon pou moun ki met espwa l nan Jewova. — Jer. 17:7.
Moun yo nan monn Satan an pa konn kiyès yo ka fè konfyans. Se toutan moun ki nan biznis, politisyen ak chèf relijye ap trayi konfyans yo. Sa vin fè yo pa fè zanmi yo, vwazen yo e menm moun nan fanmi yo konfyans. Nou pa ta dwe sezi pou sa. Men sa Labib te anonse: “Nan dènye jou yo, [...] moun yo [...] pap fidèl, [...] y ap pale moun mal, [...] y ap trèt.” Sa vle di moun yo t ap menm jan ak dye sistèm sa a, ki pa merite pou yo fè l konfyans menm (2 Tim. 3:1-4; 2 Kor. 4:4). Sepandan, antanke kretyen, nou konnen nou kapab fè Jewova konfyans je fèmen. Nou gen konviksyon li renmen nou e li “pap janm abandone” zanmi l yo (Sòm 9:10). Epitou, nou kapab fè Kris Jezi konfyans paske li te bay lavi l pou nou (1 Pyè 3:18). Epi, eksperyans nou fè aprann nou Labib bay bonjan konsèy nou ka fè konfyans. — 2 Tim. 3:16, 17. w22.09 2 § 1-2.
Samdi 17 out
Byennere tout moun ki gen lakrentif pou Jewova, ki mache nan chemen l yo. — Sòm 128:1.
Vrè kè kontan an se pa yon senp santiman yon moun genyen yon lè konsa. Yon moun kapab gen vrè kè kontan an pandan tout vi l. Ki jan? Men sa Jezi te esplike nan Diskou li te bay sou mòn nan: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” (Mat. 5:3). Jezi te konnen Jewova Dye, Kreyatè nou an, kreye lèzòm ak yon gwo anvi pou yo konnen l e pou yo adore l. E piske Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”, moun k ap adore l yo kapab gen kè kontan tou (1 Tim. 1:11). Èske tout bagay oblije anfòm nèt nan lavi nou pou n kapab gen kè kontan? Non. Nan diskou Jezi te bay la, li te di menm “moun ki nan lapenn kapab gen kè kontan. Jezi te di menm bagay la tou pou “moun ki jwenn pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki jis” (Mat. 5:4, 10, 11). Jezi te montre tout bagay pa oblije anfòm nèt nan lavi nou pou n gen kè kontan, men pou n genyen l, nou dwe pran konsyans nou bezwen Bondye e n bezwen pwoche bò kote l. — Jak 4:8. w22.10 6 § 1-3.
Dimanch 18 out
Moun ki gen bon jijman toutbon an pa di anyen. — Pwo. 11:12.
Bon jijman ap ede yon kretyen konnen gen “yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale”. (Ekl. 3:7.) Nan kèk peyi yo konn di: “Pale se ajan, men, silans se lò.” Sa vle di, pafwa li konn pi bon pou yon moun pa di anyen olye l pale. Ann pran yon egzanp. Gen yon ansyen ki gen eksperyans yo konn mande al ede lòt kongregasyon ki gen gwo pwoblèm. Men sa yon lòt ansyen di konsènan ansyen sa a: “Li toujou fè atansyon pou l pa janm bay enfòmasyon konfidansyèl ki gen rapò ak lòt kongregasyon.” Lefètke ansyen an gen bon jijman, lòt frè ki nan menm gwoup ansyen avè l respekte l. Yo gen konfyans li pa pral rakonte bagay konfidansyèl ki konsène kongregasyon an. Yon lòt bagay k ap fè lòt moun fè n konfyans se lè n aji yon fason ki dwat. Nou fè yon moun ki dwat konfyans paske nou konnen l ap toujou di laverite — Efe. 4:25; Ebre 13:18. w22.09 12 § 14-15.
Lendi 19 out
Pa gen okenn sajès, ni bon jijman, ni konsèy lakay moun ki kont Jewova. — Pwo. 21:30.
Anpil moun fè kòmsi yo pa tande lè vrè sajès la ap “rele byen fò nan lari”. (Pwo. 1:20.) Selon Bib la, gen twa gwoup moun ki meprize sajès: moun “ki pa konn anyen”, moun “k ap pase moun nan rizib”, ak moun “ki sòt”. (Pwo. 1:22-25) Moun ki pa konn anyen an se moun “ki pa gen eksperyans” oswa ki pa konprann anyen, moun yo konvenk fasil oswa yo twonpe fasil. (Pwo. 14:15, nòt.) Pa egzanp, panse ak plizyè milyon moun chèf relijye yo oubyen lidè politik yo ap twonpe. Gen ladan yo ki vekse lè yo vin rann yo kont se twonpe chèf relijye sa yo oswa lidè politik sa yo te twonpe yo. Men, moun Pwovèb 1:22 ap pale de yo la a chwazi pou yo ret san yo pa konn anyen paske yo renmen sa (Jer. 5:31). Yo pa vle aprann sa Bib la di oswa obeyi prensip ki ladan l yo. Se sèten nou pa ta renmen imite moun ki pa vle chèche konprann! — Pwo. 1:32; 27:12. w22.10 19 § 5-7.
Madi 20 out
Soumèt nou devan tout otorite lèzòm etabli. — 1 Pyè 2:13.
Òganizasyon Bondye a ban nou enstriksyon pou pwoteje nou. Yo toujou fè n sonje pou n bay ansyen yo enfòmasyon ki ajou pou yo ka jwenn nou lè gen yon danje. Nou ka resevwa enstriksyon tou pou n konnen si pou n abrite n oswa si pou n al yon lòt kote, ki jan pou n jwenn èd oswa ki jan pou n ede lòt moun e ki lè pou n fè sa. Si n pa fè sa yo di n fè a, nou ka met lavi nou ak lavi ansyen yo k ap veye sou nou an danje (Ebre 13:17). Anpil frè ak sè ki te oblije kite kay yo akoz yon katastwòf oubyen akoz lagè oswa gwo latwoublay te fè tout sa yo kapab pou yo adapte yo ak sitiyasyon yo vin ladan l lan, e yo pa t pran tan pou yo te rekòmanse fè yon seri aktivite ki gen rapò ak sèvis yo pou Jewova. Menm jan ak premye kretyen yo ki te gaye akoz pèsekisyon, yo kontinye “anonse bon nouvèl pawòl Bondye a”. (Tra. 8:4.) Lefètke yo preche, sa ede yo ret konsantre sou Wayòm nan olye yo ret konsantre sou sitiyasyon difisil yo ladan l lan. Konsa, yo kontinye gen kè kontan ak lapè. w22.12 19 § 12-13.
Mèkredi 21 out
Jewova avè m, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m? — Sòm 118:6.
Jewova ban nou chak anpil valè. Anvan Jezi te voye apot li yo al preche, li te ede yo pou yo pa t pè opozisyon yo t apral jwenn (Mat. 10:29-31). Pou l te fè sa, li te pran egzanp tikit, yon zwazo ki te toupatou ann Izrayèl. Zwazo sa yo pa t gen anpil valè nan epòk Jezi a. Sepandan, li te di disip li yo: “Pa gen youn ladan yo k ap tonbe atè san Papa nou pa konnen.” Apre sa, li di: “Nou gen plis valè pase yon bann tikit.” Konsa, Jezi te bay disip li yo asirans Jewova ba yo chak anpil valè. Donk, yo pa t gen okenn rezon pou yo te pè pèsekisyon. Se sèten, disip yo te sonje sa Jezi te di yo a lè yo te konn wè tikit yo pandan yo t ap preche nan vil yo ak nan bouk yo. Chak fwa w wè yon ti zwazo, sonje Jewova ba w valè pèsonèlman, paske, ou menm tou, ou “gen plis valè pase yon bann tikit”. Grasa èd Jewova, ou kapab fè fas ak opozisyon. w23.03 18 § 12.
Jedi 22 out
Nou fè Farawon ak sèvitè l yo pa vle wè nou, e nou mete yon epe nan men yo pou yo touye nou. — Egz. 5:21.
Pafwa, nou konn jwenn pwoblèm, tankou opozisyon nan fanmi nou oswa nou pèdi travay nou. Lè nou gen anpil tan depi n ap andire pwoblèm, nou ka santi nou sanzespwa e sa ka fè n dekouraje. Satan pwofite okazyon sa yo pou l eseye fè n panse Jewova pa renmen n. Dyab la vle nou panse se Jewova ak òganizasyon l lan ki lakòz n ap soufri. Gen yon bagay menm jan an ki te rive kèk nan Izrayelit yo nan peyi Ejip. Okòmansman, yo te kwè se Jewova ki te chwazi Moyiz ak Arawon pou delivre yo anba esklavaj (Egz. 4:29-31). Men, annapre, lè Farawon te fè bagay yo vin rèd pou yo, yo te lage chay la sou do Moyiz ak Arawon (Egz. 5:19, 20). Yo te akize sèvitè fidèl Bondye yo. Se pa ti tris sa te tris! Si w gen lontan depi w ap andire pwoblèm, vide kè w bay Jewova, epi tann li ede w. w22.11 15 § 5-6.
Vandredi 23 out
Anverite m ap di nou sa: Lè a rive kounye a, kote moun ki mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a, e sa ki koute yo ap viv. — Jan 5:25.
Jewova se Sila a ki bay lavi a e l gen pouvwa pou l fè moun retounen viv ankò. Li te bay pwofèt Eli pouvwa pou l resisite pitit gason vèv nan vil Safat la (1 Wa 17:21-23). Annapre, grasa èd Bondye, pwofèt Elize te resisite pitit gason yon dam ki moun vil Chounèm (2 Wa 4:18-20, 34-37). Rezirèksyon sa yo ak lòt ankò montre Jewova gen pouvwa pou l rebay moun lavi. Pandan Jezi te sou tè a, li te montre Papa l ba l pouvwa sa a (Jan 11:23-25, 43, 44). Kounye a, Jezi nan syèl la e l resevwa “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a”. Se sa k fè li kapab reyalize pwomès ki fè konnen “tout moun ki nan tonm yo” pral leve pou yo ka gen posiblite viv pou toutan. — Mat. 28:18; Jan 5:26-29. w22.12 5 § 10.
Samdi 24 out
Pèp Izrayèl la li menm pap vle koute w, paske yo pa vle koute m. — Eze. 3:7.
Lefètke pèp la pa t vle tande Ezekyèl, se Jewova yo pa t vle tande. Pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an te bay Ezekyèl asirans se pa paske li pa t byen fè travay li antanke pwofèt ki fè pèp la pa t vle tande l. Jewova te bay Ezekyèl asirans tou, lè jijman li te anonse yo rive, pèp la t ap “konnen [...] te gen yon pwofèt [...] nan mitan yo”. (Eze. 2:5; 33:33.) Sandout, pawòl ankourajan sa yo te bay Ezekyèl fòs li te bezwen pou l te preche. Nou menm tou nou jwenn fòs lefètke nou konnen se Jewova ki voye n. Li onore nou lefètke li rele nou “Temwen” l (Eza. 43:10). Se yon gwo privilèj nou genyen! Menm jan Jewova te di Ezekyèl: “Pinga w pè”, Jewova di nou: “Nou pa bezwen tranble.” (Eze. 2:6). Sa k fè pa gen okenn rezon pou n pè moun ki opoze ak nou yo? Menm jan ak Ezekyèl, se Jewova ki voye n e l ap ede n. — Eza. 44:8. w22.11 3-4 § 4-5.
Dimanch 25 out
Moun ki merite pou yo fè l konfyans lan konn kenbe sekrè. — Pwo. 11:13.
Jodi a, nou gen anpil rekonesans pou ansyen ak sèvitè ministeryèl nou yo ki montre yo merite pou n fè yo konfyans. Nou santi frè fidèl sa yo byen pran swen n, e n di Jewova mèsi poutèt nou gen frè sa yo! Sepandan, ki jan n ka montre nou merite pou yo fè n konfyans? Nou renmen frè n ak sè n yo e nou renmen gen nouvèl yo. Men, nou dwe respekte vi prive yo. Gen kèk kretyen nan kongregasyon premye syèk la ki t “ap fè tripotay, [ki t] ap mele nan zafè moun, [ki t] ap pale bagay yo pa ta dwe pale”. (1 Tim. 5:13.) Se sèten nou pa ta renmen menm jan ak yo. Men, ann sipoze yon moun ta di n yon bagay ki konsène l, epi l mande n pou n pa di lòt moun sa. Pa egzanp, yon sè ka fè n konnen li gen yon pwoblèm sante oswa l ap fè fas ak lòt eprèv, epi l mande n pou n pa di lòt moun sa. Nou dwe fè sa l mande nou an. w22.09 10 § 7-8.
Lendi 26 out
Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon. — Wom. 12:2.
Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “bay lespri nou yon lòt direksyon” pou li a kapab gen sans “renouvle lespri nou”. Se sa k fè nou pa ka annik kontante n fè kèk bon aksyon. Okontrè, nou dwe egzamine moun nou ye pa anndan an epi fè nenpòt chanjman ki nesesè yon fason pou n fè tout sa n kapab pou n viv ann amoni ak prensip Jewova yo. Se pa yon sèl fwa nou bezwen fè sa, men se toutan. Lè nou vin pafè, n ap toujou ka fè Jewova plezi nan tout sa n fè. Annatandan, nou bezwen kontinye fè gwo efò pou n reyalize objektif sa a. N ap remake, nan Women 12:2, Pòl di nou bezwen bay lespri nou yon lòt direksyon yon fason pou n ka konnen sa ki volonte Bondye. Olye n annik kite sistèm sa a detenn sou nou, nou dwe egzamine tèt nou pou n wè jis nan ki pwen nou kite fason Bondye panse enfliyanse objektif nou ak desizyon n ap pran e se pa fason monn nan panse nou kite enfliyanse nou. w23.01 8-9 § 3-4.
Madi 27 out
Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la tonbe. — Sòm 55:22.
Èske Jewova aji nan chak sitiyasyon nou jwenn? Èske l kontwole chak sitiyasyon nan lavi nou yon fason pou tout move bagay ki rive se pou yon bon rezon? Non, Bib la pa anseye sa (Ekl. 8:9; 9:11). Sepandan, men sa nou konnen: Lè nou jwenn eprèv, Jewova konnen sa e li tande nou lè nou mande l pou l ede n (Sòm 34:15; Eza. 59:1). Anplis de sa, Jewova kapab ede n andire difikilte yon fason pou n reyisi. Ki jan? Youn nan fason Jewova ede n se lè l konsole n e l ankouraje n, souvan li fè sa nan bon moman (2 Kor. 1:3, 4). Èske w sonje yon moman nan lavi w kote Jewova te soutni w lè l te konsole w e l te ankouraje w nan moman w te plis bezwen sa? Byen souvan, se lè n fin pase yon moman difisil nou rann nou kont jan Jewova te ede n nan moman sa a. w23.01 17-18 § 13-15.
Mèkredi 28 out
Bèt sovaj ki te la, men ki pa la ankò a […], pral detwi. — Rev. 17:11.
Bèt sovaj sa a prèske sanble ak bèt sovaj ki gen sèt tèt la. Men, sèl bagay, li gen koulè wouj vif. Yo rele l “estati bèt sovaj la” e yo fè konnen li se “yon uityèm wa”. (Rev. 13:14, 15; 17:3, 8.) “Wa” sa a t ap gen pou l parèt, epi li pa t ap egziste, e annapre li t ap parèt ankò. Sa yo di la a sanble tèt koupe ak òganizasyon Nasyonzini k ap defann enterè sistèm politik mondyal la! Toudabò, li te parèt, e l te rele Sosyete Nasyon yo. Epi, pandan Dezyèm Gè mondyal la li pa t egziste. Annapre, li te parèt ankò, e l te vin gen non li genyen jodi a. Bèt sovaj yo, oswa gouvènman yo, ankouraje moun opoze ak Jewova e ak pèp li a. Nan yon sans senbolik, yo rasanble “wa ki sou tout tè a” pou lagè Amagedon, ki se “gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. — Rev. 16:13, 14, 16. w22.05 10 § 10-11.
Jedi 29 out
Ki jan w konprann sa w li yo? — Lik 10:26.
Lè Jezi te aprann li Ekriti sakre yo poukont li, nonsèlman li te vin konn Ekriti yo byen, men tou, li te renmen yo e l te kite yo gide l nan fason l t ap aji. Pa egzanp, sonje sa k te pase nan tanp lan lè Jezi te gen 12 an. Anseyan ki te byen konn Lwa Moyiz la te “ret bouch ouvè lè yo wè jan [Jezi] te konprann bagay yo e devan repons li t ap bay”. (Lik 2:46, 47, 52.) Nou menm tou nou ka aprann konnen Pawòl Bondye a e n ka vin renmen l lè n li l regilyèman. Gen anpil bagay nou ka aprann nan sa Jezi te di moun ki konn Lalwa yo, san wete sa l te di espè nan Lalwa yo, Farizyen yo ak Sadiseyen yo. Chèf relijye sa yo te konn li Ekriti yo souvan, men, yo pa t byen pwofite sa yo t ap li a. Jezi te montre gen twa bagay mesye sa yo pa t fè ki te anpeche yo byen pwofite Ekriti yo. Sa l te di mesye sa yo ap pi byen ede n pou n 1) konprann sa nou li yo, 2) jwenn trezò espirityèl, e 3) kite Pawòl Bondye a chanje nou. w23.02 8-9 § 2-3.
Vandredi 30 out
Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache. — Pwo. 22:3.
Gen kèk danje nou dwe evite, pa egzanp, nou pa dwe pran pòz nou gen santiman pou yon moun alòske se pa vre, nou pa dwe bwè twòp bwason ki gen alkòl, nou pa dwe manje twòp, nou pa dwe di moun pawòl k ap blese yo, e n pa dwe gade pwogram ki gen vyolans, pònografi, ak lòt bagay menm jan an (Sòm 101:3). Dyab la, toujou ap chèche okazyon pou l kraze relasyon nou ak Jewova (1 Pyè 5:8). Si nou pa veye, Satan ka met yon seri bagay nan lespri nou ak nan kè nou, tankou anvye sò moun, aji yon fason ki pa onèt, avaris, rayisman, ògèy, ak rankin (Gal. 5:19-21). Si n pa aji vit pou n derasinen yo, y ap kontinye grandi tankou yon plant ki gen pwazon e y ap lage n nan pwoblèm (Jak 1:14, 15). Youn nan danje anba anba ki genyen se lè n fè move zanmi. Nou dwe sonje moun nou chwazi pase tan ak yo ap gen gwo enfliyans sou nou (1 Kor. 15:33). Si n veye kò nou, n ap evite pase tan ak moun ki pap suiv prensip Jewova yo lè sa pa nesesè (Lik 21:34; 2 Kor. 6:15). N ap wè danje a e n ap kouri pou li. w23.02 16 § 7; 17 § 10-11.
Samdi 31 out
Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. — 1 Jan 5:3.
Lefètke w vin konn Jewova pi byen, sa fè w vin pi renmen l. Se sèten ou ta renmen vin pi pwòch avè l depi kounye a e pou toutan. E w kapab fè sa. Li ta renmen w fè kè l kontan (Pwo. 23:15, 16). Ou kapab fè sa nonsèlman nan pawòl w ap di, men tou, nan fason w ap aji. Fason w ap viv ap montre si w renmen Jewova toutbon. E se pi bèl objektif ou kapab chèche gen nan lavi w! Ki jan w ka montre ou renmen Jewova? Toudabò, ou kapab fè yon priyè espesyal pou w vwe sèl vrè Dye a lavi w (Sòm 40:8). Apre sa, ou kapab batize pou lòt moun ka wè ou te vwe Jewova lavi w. Se yon moman ki bay kè kontan e ki enpòtan nan lavi w. Lavi w pran yon lòt direksyon, ou pap viv pou tèt ou ankò, men, w ap viv pou Jewova (Wom. 14:8; 1 Pyè 4:1, 2). Sa ka sanble yon gwo desizyon w ap gen pou w pran, e vrèmanvre se yon gwo desizyon. Men, li ba w posiblite pou w viv pi bèl fason w ta kapab viv la. w23.03 5-6 § 14-15.