BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es24 p. 88-98
  • Septanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Septanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
  • Soutit
  • Dimanch 1ye septanm
  • Lendi 2 septanm
  • Madi 3 septanm
  • Mèkredi 4 septanm
  • Jedi 5 septanm
  • Vandredi 6 septanm
  • Samdi 7 septanm
  • Dimanch 8 septanm
  • Lendi 9 septanm
  • Madi 10 septanm
  • Mèkredi 11 septanm
  • Jedi 12 septanm
  • Vandredi 13 septanm
  • Samdi 14 septanm
  • Dimanch 15 septanm
  • Lendi 16 septanm
  • Madi 17 septanm
  • Mèkredi 18 septanm
  • Jedi 19 septanm
  • Vandredi 20 septanm
  • Samdi 21 septanm
  • Dimanch 22 septanm
  • Lendi 23 septanm
  • Madi 24 septanm
  • Mèkredi 25 septanm
  • Jedi 26 septanm
  • Vandredi 27 septanm
  • Samdi 28 septanm
  • Dimanch 29 septanm
  • Lendi 30 septanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2024
es24 p. 88-98

Septanm

Dimanch 1ye septanm

Si yon moun panse l ap adore Bondye, epoutan li pa bride lang li, se twonpe l ap twonpe tèt li, e adorasyon l ap bay la pa gen valè. — Jak 1:26.

Lè n byen sèvi ak kapasite n genyen pou n pale a, nou montre nou se sèvitè Jewova. Nou ede moun k ap gade n yo wè byen klè diferans ki genyen “ant yon moun k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi l”. (Mal. 3:18.) Ann wè sa k te rive yon sè ki rele Kimberly. Li menm ak yon kamarad li te gen pou yo fè yon devwa ansanm. Pandan kamarad Kimberly a t ap fè devwa a avè l, li te remake Kimberly pa t menm jan ak lòt elèv yo. Li pa t konn pale lòt moun mal, li te pale yon fason ki pozitif e l pa t konn di mo sal. Li te anvi konnen rezon ki fè Kimberly te konsa, e finalman, li te aksepte pou l fè yon etid Labib. Se pa ti kontan Jewova kontan lè n pale yon fason ki fè moun anvi aprann konnen l! Nou tout ta renmen pale yon fason ki onore Jewova. w22.04 5-6 § 5-7.

Lendi 2 septanm

Anpil lòt medam [...] te itilize sa yo te genyen pou yo rann Jezi ak disip li yo sèvis. — Lik 8:3.

Jezi te fè demon yo sot sou Mari, moun Magdala paske te gen sèt demon ki t ap toumante l. Rekonesans li te genyen te pouse l vin disip Jezi e pou l te ede Jezi nan sèvis li (Lik 8:​1-3). Byenke Mari te gen anpil rekonesans pou sa Jezi te fè pou li a, petèt li pa t konnen Jezi t ap gen pou l fè plis bagay pou li toujou alavni. Jezi t ap bay lavi l “dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li” ka gen lavi ki pap janm fini an (Jan 3:16). Aktout sa, Mari te montre l gen rekonesans pou Jezi lè l te montre l fidèl. Pandan Jezi t ap soufri sou poto a, Mari te kanpe toupre, sa te ankouraje Jezi e sa te konsole lòt moun ki te la yo (Jan 19:25). Apre Jezi fin mouri, Mari ak de lòt medam te pote pwodui santi bon nan tonm nan pou antèman Jezi (Mak 16:​1, 2). Mari te kontan rankontre Jezi apre Jezi fin resisite e l te kontan pale avè l, yon privilèj pifò nan disip yo pa t genyen. — Jan 20:​11-18. w23.01 27 § 4.

Madi 3 septanm

Mwen ta renmen w cho oswa w frèt. — Rev. 3:15.

Nou pa ka annik ret ap gade sou sa nou te deja fè nan sèvis Jewova a. Byenke nou gendwa pa ka fè tout sa n te konn fè anvan, men, nou bezwen kontinye ret okipe nan “travay Seyè a”, nou bezwen ret je klè epi kontinye veye jiska lafen (1 Kor. 15:58; Mat. 24:13; Mak 13:33). Nou dwe chofe nan adorasyon n ap bay Jewova a, e nou dwe met tout kè n ladan l. Mesaj Jezi te bay kretyen Lawodise yo te montre yo gen yon lòt pwoblèm. Yo te “tyèd” nan sèvis yo t ap bay Jewova a. Se poutèt sa Jezi te di yo yo nan yon eta ki “mizerab e ki fè moun gen pitye” pou yo. Yo te bezwen montre yo chofe nan adorasyon y ap bay Jewova a (Rev. 3:​16, 17, 19). Ki leson nou aprann? Si nou wè nou pa vrèman chofe nan sèvis Bondye jan nou te chofe anvan an, nou bezwen montre nou gen plis rekonesans pou tout bon bagay Jewova ak òganizasyon l lan ban nou (Rev. 3:18). Nou pa t ap janm renmen vin distrè nan chèche mennen yon bèl vi, pou sa ta fè n neglije adorasyon n ap bay Jewova a. w22.05 3-4 § 7-8.

Mèkredi 4 septanm

Jewova te bay lòd pou yo ekri non moun ki gen lakrentif pou li yo [...] nan yon liv devan l pou l sonje yo. — Mal. 3:16.

Sa gen plizyè milye ane depi Jewova ap ekri yon liv espesyal. Liv sa a gen yon lis non moun, li kòmanse ak non Abèl, premye temwen fidèl la (Lik 11:​50, 51). Depi lè sa a, Jewova ap ajoute non nan liv la, e kounye a, gen plizyè milyon non ladan l. Nan Bib la, yo rele liv sa a “yon liv [pou Bondye] sonje” moun, “liv lavi a”, epi “woulo lavi” a. Liv espesyal sa a gen non tout moun k ap adore Jewova avèk anpil respè, e ki renmen non l. Yo gen posiblite pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Jodi a, non nou ka ekri nan liv sa a si n vin gen yon relasyon sere ak Jewova sou baz sakrifis ranson Pitit Gason l lan, Jezi Kris (Jan 3:​16, 36). Nou tout ta renmen non nou ekri nan liv sa a, kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl oswa pou nou viv sou tè a. w22.09 14 § 1-2.

Jedi 5 septanm

Yo lage Dyab la ki t ap twonpe yo a nan letan dife ak souf la. — Rev. 20:10.

Liv Revelasyon an pale konsènan “yon dragon ki gen koulè dife”. (Rev. 12:3.) Dragon sa a batay ak Jezi e ak zanj li yo (Rev. 12:​7-9). Li atake pèp Bondye a e li bay bèt sovaj yo, oswa gouvènman lèzòm yo, pisans (Rev. 12:17; 13:4). Kiyès ki dragon sa a? Se “premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an”. (Rev. 12:9; 20:2.) Se li menm k ap kontwole tout lòt ènmi Jewova yo. Ki sa k rive dragon an? Revelasyon 20:​1-3 fè konnen gen yon zanj ki pral pimpe Satan nan yon twou san fon, ki pral tankou yon prizon pou li. Pandan Satan nan prizon an, li pap “twonpe nasyon yo ankò jiskaske 1000 an an fini”. Finalman, yo pral lage Satan ak demon l yo nan “letan dife ak souf la”, sa vle di yo pral detwi pou toutan. Imajine yon monn kote Satan ak demon l yo pa la ankò. Se pa ti bèl sa pral bèl! w22.05 14 § 19-20.

Vandredi 6 septanm

Se pou l travay di […], pou l fè bon travay ak men l, dekwa pou l ka gen kichòy pou l pataje ak moun ki nan nesesite. — Efe. 4:28.

Jezi te konn travay di. Byen bonè nan lavi l lè l te sou tè a, li te travay kòm yon bòs chapant (Mak 6:3). Pa gen dout, paran l yo te kontan lefètke l te ede yo lè yo t ap fè anpil efò pou yo te bay fanmi an, ki te gen anpil moun ladan l, sa yo te bezwen pou yo viv. Piske Jezi te yon bòs chapant ki te pafè, yo dwe te konn pot anpil travay ba l fè! Sanble Jezi te renmen travay li t ap fè a anpil. Epoutan, menm lè Jezi te renmen travay li t ap fè a, li te konn rezève tan pou sèvis Jewova (Jan 7:15). Annapre, pandan l t ap bay tout tan l nan sèvis Jewova, men konsèy li te bay moun ki t ap koute l yo: “Pa travay pou manje k ap gate, men travay pou manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an.” (Jan 6:27). E men sa Jezi te di nan Diskou li te fè sou mòn nan: “Anpile trezò nan syèl la.” (Mat. 6:20). Sajès ki soti nan Bondye a ede n gen ekilib nan travay nou. Antanke kretyen, nou aprann pou n “travay di [e pou n] fè bon travay”. w22.05 22 § 9-10.

Samdi 7 septanm

Manman w ap kontan. — Pwo. 23:25.

Enis te bay Timote bèl egzanp. Se sèten, Timote te ka wè fason manman l aji montre jan l renmen Jewova e li te wè jan manman l kontan lefètke l ap sèvi Jewova. Menm jan an tou jodi a, gen anpil manman ki rive touche kè moun nan fanmi yo “san pawòl”. (1 Pyè 3:​1, 2.) Ou kapab fè menm jan an. Ki jan w ka rive fè sa? Bay relasyon w gen ak Jewova a premye plas nan lavi w (Det. 6:​5, 6). Menm jan ak pifò manman, ou fè anpil sakrifis. Ou bay tan w, lajan w, pafwa w konn pa dòmi, e w fè anpil lòt bagay pou w pran swen pitit ou. Men, ou pa dwe janm twò okipe pou sa ta fè w neglije relasyon w ak Jewova. Toujou rezève tan pou w priye, pou w etidye Bib la e pou w asiste reyinyon yo. Lè w fè sa, relasyon w ak Jewova ap vin pi solid e w ap vin yon bèl egzanp pou moun nan fanmi w ak lòt moun ankò. w22.04 16 § 1; 19 § 12-13.

Dimanch 8 septanm

Se pou w jije sèvitè w yo, se pou w fè konnen moun ki te mal aji a koupab, se pou w ba li sa l merite pou sa l fè a e se pou w fè konnen moun ki dwat la inosan lè w rekonpanse l. — 1 Wa 8:32.

Nou vrèman soulaje lefètke n konnen se pa nou k ap deside ki jan pou yo jije moun yo! Piske Jewova se pi Gran Jij la, se li ki pral fè travay enpòtan sa a (Wom. 14:​10-12). Nou kapab gen yon konfyans total Jewova byen konnen sa ki byen ak sa ki mal e l ap toujou jije ann amoni ak prensip li yo ki pafè (Jen. 18:25). Li pap janm fè enjistis! Se pa ti tann n ap tann moman kote Jewova pral elimine tout move efè enpèfeksyon ak peche gen sou lèzòm! Lè sa a, tout sa ki nan kò nou ak nan lespri nou k ap fè n soufri pral geri nèt (Sòm 72:​12-14; Rev. 21:​3, 4). Nou pap janm sonje yo ankò. Pandan n ap tann bèl moman sa a rive, se pa ti rekonesans nou genyen dèske Jewova ban nou kapasite pou n imite l nan kesyon padone! w22.06 13 § 18-19.

Lendi 9 septanm

Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis? — Jen. 18:25.

Yon bon jij bezwen byen konprann lalwa. Li dwe kapab konnen lè yon bagay bon oswa lè yon bagay mal nan yon wo nivo. Ki sa ankò yon bon jij bezwen? Li bezwen gen kapasite pou l byen konn tout detay nan yon ka l ap jije anvan l pran yon desizyon. Nan sans sa a, Jewova pa gen parèy antanke Jij. Kontrèman ak jij sou tè a, Jewova toujou konn tout ti detay nan chak ka ki parèt devan l (Jen. 18:​20, 21; Sòm 90:8). Kontrèman ak lèzòm, li pa annik jije selon sa l wè oswa sa l tande. Li byen konprann gen yon seri bagay ki gen enfliyans sou fason yon moun aji, tankou ADN li, fason l te leve ak kote l ap viv, san wete sante mantal li. Epitou, Jewova konn sa k nan kè nou. Li byen konnen sa k pouse chak moun aji, entansyon yo genyen ak sa yo ta renmen. Pa gen anyen Jewova pa kapab wè (Ebre 4:13). Donk, lè Jewova padone yon moun, se paske l konn tout detay sou sitiyasyon moun nan. w22.06 4 § 8-9.

Madi 10 septanm

Yon moun [...] ap bay tout sa l genyen pou l sove lavi l. — Jòb 2:4.

Nou dwe byen chèche konn taktik Satan te itilize sou Jòb yo paske l ap itilize menm taktik sa yo sou nou jodi a. Satan vle fè konprann nou pa renmen Jewova Dye toutbon e n ap vire do ba Li pou n ka sove lavi n. Mete sou sa, Satan vle fè konprann Bondye pa renmen n, e Li pap bay efò nou fè pou n fè l plezi okenn valè. Piske nou konn sa, nou pap pran nan taktik Satan yo, paske n met espwa nou nan Jewova. Nou bezwen wè eprèv yo kòm yon okazyon pou n aprann konn tèt nou. Eprèv Jòb te jwenn yo te ede l wè kèk bagay li te bezwen korije lakay li. Pa egzanp, li te aprann li te bezwen vin gen plis imilite (Jòb 42:3). Nou menm tou nou ka aprann konn tèt nou pi byen lè n nan eprèv. Yonfwa nou wè defo nou genyen yo, nou kapab fè efò pou n korije yo. w22.06 23 § 13-14.

Mèkredi 11 septanm

Men sa Jewova di: “Nou se temwen m, wi, nou se sèvitè m mwen chwazi.” — Eza. 43:10.

Jewova ban nou asirans l ap ede n. Pa egzanp, anvan Jewova te di: “Nou se temwen m”, li te di: “Lè w ap janbe dlo, m ap avè w. Lè w ap travèse rivyè, dlo pap kouvri w. Lè w ap mache nan dife, ou pap boule, e flanm dife pap kankannen w.” (Eza. 43:2). Pandan n ap patisipe nan travay fè disip la, pafwa, nou konn jwenn difikilte ki tankou gwo dlo e nou konn jwenn eprèv ki tankou dife. Malgre sa, grasa èd Jewova, nou kontinye preche (Eza. 41:13). Jodi a, pifò moun pa vle tande mesaj la. Nou dwe sonje, se pa paske moun yo pa vle koute ki vle di nou pa byen fè travay nou antanke Temwen Bondye. Lefètke nou konnen Jewova kontan lè n kontinye preche mesaj li a, sa konsole n e sa ban n fòs. Men sa apot Pòl te di: “Yo chak ap resevwa rekonpans pa yo selon travay pa yo.” — 1 Kor. 3:8; 4:​1, 2. w22.11 4 § 5-6.

Jedi 12 septanm

Se pou nou toujou gen bon konduit pami nasyon yo. — 1 Pyè 2:12.

Jodi a, nou wè pwofesi ki nan Bib la ap reyalize. Moun ki “soti nan tout lang nasyon yo pale” ap aprann pale “lang ki pwòp” la, anpalan de verite ki nan Bib la (Zak. 8:23; Sof. 3:9). Gen plis pase 8000000 moun nan 240 peyi ki fè pati òganizasyon Jewova a, e chak ane gen plizyè dizèn milye moun ki batize! Sepandan, se pa kantite a ki pi enpòtan, sa k pi enpòtan se lefètke nouvo disip sa yo vin gen yon seri bèl kalite antanke kretyen, anpalan de “nouvo pèsonalite a”. (Kol. 3:​8-10.) Anpil nan yo sispann fè imoralite, yo sispann fè vyolans, yo sispann gen prejije e yo pa kite lanmou yo gen pou peyi yo fè yo vin dozado ak lòt moun. Pwofesi ki nan Ezayi 2:4 la ap reyalize: yo pa “aprann fè lagè ankò”. Piske n ap fè anpil efò pou n abiye ak nouvo pèsonalite a, sa ankouraje lòt moun vin nan òganizasyon Bondye a, e sa montre n ap suiv Kris Jezi, Siveyan nou an (Jan 13:35). Tout sa rive fèt paske Jezi ap ban nou èd nou bezwen. w22.07 9 § 7-8.

Vandredi 13 septanm

Se pou priyè m nan tankou lansan ki byen prepare y ap prezante devan w. — Sòm 141:2.

Lè n ap priye Jewova nou dwe veye pou n pa twò alèz. Okontrè, nou dwe fè sa ak anpil respè. Reflechi ak vizyon estrawòdinè Ezayi, Ezekyèl, Dànyèl ak Jan te resevwa yo. Yo tout te pale de Jewova antanke yon gran Wa. Ezayi “te wè Jewova ki chita sou yon gwo twòn byen wo”. (Eza. 6:​1-3.) Ezekyèl te wè Jewova ki chita sou twòn li nan syèl la ki te gen yon “limyè toutotou l […] ki te tankou lakansyèl”. (Eze. 1:​26-28.) Dànyèl te wè “Sila a ki la depi pi lontan an” ki abiye ak rad blan, e gen flanm dife k ap sot nan twòn Li an (Dàn. 7:​9, 10). E Jan te wè Jewova ki chita sou yon twòn ki antoure ak yon bagay ki sanble ak yon bèl lakansyèl ki gen koulè vèt menm jan ak pyè ki rele emwòd la (Rev. 4:​2-4). Lè n ap reflechi sou glwa Jewova genyen ki pa gen parèy, sa fè n sonje gwo privilèj nou genyen pou n pwoche bò kote l nan lapriyè ak enpòtans pou n fè sa avèk respè. w22.07 20 § 3.

Samdi 14 septanm

[Veye kò nou ak] moun ki sèvi ak trik ak riz pou twonpe nou. — Efe. 4:14.

Nou menm jèn, Satan pral eseye anpeche w kontinye fè pwogrè. Youn nan fason l ka fè sa, se lè l fè w gen dout sou yon seri bagay ou te aprann nan Bib la. Pa egzanp, petèt yon lè, gen moun ki pral chèche fè w kwè se pa Bondye ki kreye nou, men, nou egziste grasa evolisyon. Sandout, lè w te pi piti, ou pa t bay sa twòp enpòtans, men, kòm ou vin pi gran kounye a, petèt yo anseye w sa lekòl. Sa pwofesè w yo di pou kore teyori evolisyon an kapab parèt lojik e w ka anvi dakò ak yo. Men, petèt yo pa janm chèche jwenn prèv ki montre gen yon Kreyatè. Sonje prensip nou jwenn nan Pwovèb 18:17 la, men sa l di: “Moun ki pale anvan nan yon pwosè parèt gen rezon, jiskaske lòt moun nan vini epi li poze l kesyon.” Pa annik kwè je fèmen tout sa yo di w nan lekòl ou, okontrè, pran tan pou w byen egzamine verite ki nan Pawòl Bondye a ak nan piblikasyon nou yo. w22.08 2 § 2; 4 § 8.

Dimanch 15 septanm

Byen suiv tout sa ki ekri ladan l. Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès. — Joz. 1:8.

Nou bezwen konprann sa n li nan Pawòl Bondye a. Si n pa konprann, nou ka pa byen pwofite sa n li a. Pa egzanp, reflechi sou konvèsasyon Jezi te genyen ak “yon mesye ki konn Lalwa byen”. (Lik 10:​25-29.) Lè mesye a te mande ki sa l te bezwen fè pou l gen lavi ki pap janm fini an, Jezi te ede l jwenn repons lan nan Pawòl Bondye a. Jezi te mande mesye a: “Ki sa ki ekri nan Lalwa? Ki jan w konprann sa w li yo?” Mesye a te rive bay bon repons lan lè l te site pasaj nan Ekriti yo ki di nou dwe renmen Bondye e nou dwe renmen pwochen nou (Lev. 19:18; Det. 6:5). Men, remake sa mesye a te mande annapre: “Kiyès menm ki pwochen m?” Mesye a te montre li pa t byen konprann sa l te li a. Se sa k fè li pa t konn ki jan pou l byen aplike pawòl sa yo nan lavi l. Nou bezwen èd Jewova pou n konprann Ekriti yo, se sa k fè nou kapab mande l lespri sen l pou ede n ret konsantre sou sa n ap li a, e mande l ede n aplike sa n li a. w23.02 9 § 4-5.

Lendi 16 septanm

Kontinye [...] mache nan laverite. — 3 Jan 4.

“Ki jan w te aprann laverite?” Se sèten w deja reponn kesyon sa a plizyè fwa. Se youn nan premye kesyon yon frè oswa yon sè ap poze n lè l ap chèche konnen n pi byen. Nou renmen tande fason frè n ak sè n yo te vin aprann konnen Jewova epi renmen l, e nou kontan fè yo konn enpòtans laverite gen pou nou (Wom. 1:11). Konvèsasyon konsa fè n sonje jan laverite gen anpil valè pou nou. Epitou, nou vin gen plis detèminasyon pou n “kontinye [...] mache nan laverite”, sa vle di, pou n kontinye viv yon fason k ap fè nou jwenn benediksyon ak favè Jewova. Nou renmen laverite pou plizyè rezon. Pi gwo rezon an, se paske nou renmen Jewova Dye, li menm ki Sous laverite. Grasa Labib, Pawòl li a, nou vin konnen l nonsèlman antanke Sila a ki Toupisan ki fè syèl la ak tè a, men tou, antanke Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou e ki pran swen nou avèk tandrès. — 1 Pyè 5:7. w22.08 14 § 1, 3.

Madi 17 septanm

Sonje moun ki pòv yo. — Gal. 2:10.

Apot Pòl te ankouraje frè l ak sè l yo pou yo demontre lanmou nan “bèl aksyon” y ap fè (Ebre 10:24). Li te ede frè l ak sè l yo nonsèlman nan pawòl li, men tou, nan aksyon l. Pa egzanp, lè kwayan parèy li yo t ap fè fas ak yon gwo grangou nan Jide, li te ede yo jwenn sa yo te bezwen (Tra. 11:​27-30). Anfèt, menm lè Pòl te okipe nan travay preche ak anseye a, li te toujou chèche fason pou l ede moun ki nan bezwen. Lè l te fè sa, li te ede kwayan parèy li yo gen plis konfyans Jewova t ap pran swen yo. Jodi a, lè nou dispoze bay tan nou, fòs nou ak kapasite nou genyen pou nou ede nan travay pote sekou lè gen katastwòf, nou menm tou, nou fòtifye lafwa frè n ak sè n yo. Se menm bagay la tou, lè nou fè ofrann regilyèman pou travay mondyal la. Lè n aji fason sa a ak lòt fason ankò, nou ede frè n ak sè n yo gen konfyans Jewova pap janm abandone yo. w22.08 24 § 14.

Mèkredi 18 septanm

Se pa t janm volonte lòm ki fè vin gen pwofesi, men yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo. — 2 Pyè 1:21.

Bib la gen anpil pwofesi ki reyalize. Gen kèk ladan yo ki te reyalize plizyè santèn ane apre yo te fin ekri yo. Listwa fè konnen pwofesi sa yo te vrèman reyalize. Sa pa fè n sezi paske nou konnen se Jewova ki fè ekri pwofesi ki nan Bib la. Reflechi sou pwofesi konsènan destriksyon ansyen vil Babilòn nan. Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, Jewova te fè pwofèt Ezayi anonse yo t ap pran gwo vil Babilòn nan. Li te menm di se yon moun ki rele Siris ki t ap pran vil la e l te esplike egzakteman ki jan sa t ap fèt (Eza. 44:27–45:2). Ezayi te anonse tou rive yon lè Babilòn t ap detwi e l t ap tounen yon kote yo abandone nèt (Eza. 13:​19, 20). Babilòn te tonbe anba men moun peyi Medi ak moun peyi Pès yo nan ane 539 anvan epòk nou an, e zòn kote gwo vil sa a te ye a se yon pil dekonm jodi a. w23.01 4 § 10.

Jedi 19 septanm

Se pou youn kontinye ankouraje lòt. — 1 Tes. 5:11.

Jewova chwazi nou pou n vin fè pati fanmi l k ap adore l toupatou sou tè a. Se yon gwo privilèj ki fè n jwenn anpil byenfè (Mak 10:​29, 30)! Toupatou sou tè a, nou gen frè ak sè ki renmen Jewova menm jan avè n e k ap fè tout sa yo kapab pou yo viv ann amoni ak prensip li yo. Nou ka pa pale menm lang, nou ka pa gen menm kilti e nou ka pa abiye menm jan, men, nou santi n alèz ak yo menm lè se premye fwa nou rankontre yo. Yon bagay nou renmen anpil, se lè nou reyini ansanm avè yo pou n fè louwanj pou Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou e pou n adore l. E nou bezwen ret pwòch ak frè n ak sè n yo (Sòm 133:1). Pafwa, yo konn ede n pote fado nou yo (Wom. 15:1; Gal. 6:2). Epitou, yo ankouraje n pou n ret aktif nan sèvis n ap bay Jewova a e pou n ret zanmi l (Ebre 10:​23-25). Reflechi sou jan nou t ap santi n si nou pa t gen kongregasyon an k ap ede n kenbe tèt ak ènmi nou yo, anpalan de Satan Ledyab ak monn li an ki chaje ak mechanste. w22.09 2-3 § 3-4.

Vandredi 20 septanm

Yon moun ki pridan kontwole bouch li. — Pwo. 10:19.

Nou ka twouve l difisil pou n gen metriz lè n ap itilize rezo sosyal. Si n pa fè atansyon, nou ka fè anpil moun konnen bagay konfidansyèl, san n pa t gen entansyon fè sa. E yonfwa nou fin voye yon mesaj elektwonik, nou pa gen kontwòl sou sa yo pral fè avè l oswa sou kantite dega li pral fè. Epitou, lè n gen metriz, sa ede n ret an silans lè opozan ap eseye pran n nan pyèj pou n bay yon seri enfòmasyon ki ta kapab met lavi frè n ak sè n yo an danje. Sa ka rive lè lapolis ap poze n kesyon nan peyi kote yo entèdi travay nou an oswa yo met restriksyon sou li. Nan sitiyasyon sa yo ak nan lòt ankò, nou kapab aplike prensip ki di: “M ap met yon baboukèt nan bouch mwen pou m ka veye l.” ​(Sòm 39:1). Kit se nan relasyon nou gen ak fanmi nou, zanmi nou, frè n ak sè n yo oswa nenpòt lòt moun, nou bezwen yo konnen nou kòm moun ki merite pou yo fè n konfyans. E pou n merite pou yo fè n konfyans, nou bezwen gen metriz. w22.09 13 § 16.

Samdi 21 septanm

Byennere moun ki pran plezi nan lwa Jewova a e [ki] li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. — Sòm 1:​1, 2.

Pou n gen kè kontan toutbon, nou dwe pran tan pou n li Bib la e pou n etidye l. E nou bezwen sa. Se sa k fè Jezi te di: “Se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Mat. 4:4). Se sa k fè nou pa ta dwe kite yon jou pase san n pa li Labib, Pawòl Bondye a, ki gen anpil valè. Piske Jewova renmen nou, li ban nou bonjan enfòmasyon nan Bib la sou fason pou n kapab viv ak kè kontan. Nou aprann ki sa l vle pou nou nan lavi nou. Nou aprann ki jan n ka vin pwòch avè l e ki sa n ka fè pou l padone peche nou. E nou aprann bèl esperans li ban nou pou lavni (Jer. 29:11). Verite sa yo nou aprann lè n etidye Bib la fè kè n kontan anpil! Lè n santi nou dekouraje akoz pwoblèm nou jwenn nan lavi a, nou bezwen pran plis tan pou n li Pawòl Jewova a e pou n medite sou li. w22.10 7 § 4-6.

Dimanch 22 septanm

Se pou nou vin granmoun nan fason nou konprann. — 1 Kor. 14:20.

Nou ka konprann rezon ki fè Bib la ankouraje n pou n pa rete san n pa gen eksperyans. N ap vin gen bonjan eksperyans lan lè n aplike prensip ki nan Bib la nan lavi n. Tikras pa tikras, nou vin konprann ki jan prensip sa yo ede n pou n evite pwoblèm e pou n pran bon desizyon. Li bon pou n toujou ap chèche wè ki pwogrè nou fè nan sans sa a. Si nou gen kèk tan depi n ap etidye Labib e n ap asiste reyinyon, nou ta dwe mande tèt nou poukisa nou poko deside vwe Jewova lavi n epi batize. Si nou batize, èske n fè efò pou n preche bon nouvèl la pi byen e pou n anseye l pi byen? Èske desizyon nou pran yo montre se prensip ki nan Bib la k ap dirije nou? Antanke kretyen, èske n demontre yon seri bèl kalite nan fason n ap aji ak lòt moun? Si n wè nou bezwen fè pwogrè nan domèn sa yo, nou bezwen suiv rapèl Jewova yo ki “fè moun ki pa gen eksperyans yo vin saj”. — Sòm 19:7. w22.10 20 § 8.

Lendi 23 septanm

Yo te ale kote lespri a te pouse yo ale. — Eze. 1:20.

Ezekyèl te wè jan lespri Bondye pisan. Nan yon vizyon li te fè, li te wè lespri sen k ap aji sou yon seri zanj ki gen pisans e sou yon seri wou men wotè ki nan yon cha ki nan syèl la (Eze. 1:21). Ki jan Ezekyèl te reyaji? Li te ekri sa k te rive a. Men sa l te ekri: “Lè m te wè l, mwen te tonbe fas atè.” Ezekyèl te tèlman sezi, li te tonbe atè (Eze. 1:28). Annapre, lè Ezekyèl te reflechi sou vizyon estrawòdinè sa a, sa dwe te fè l gen plis konviksyon li kapab fè sèvis li grasa èd lespri Bondye. Men lòd Jewova te bay Ezekyèl: “Pitit lòm, kanpe sou de pye w pou m ka pale avè w.” Lòd sa a, ansanm ak lespri Bondye, te bay Ezekyèl fòs li te bezwen pou l te leve atè a (Eze. 2:​1, 2). Annapre, pandan tout tan Ezekyèl t ap fè sèvis li, “pisans” Bondye, sa vle di lespri sen Bondye, t ap gide l. — Eze. 3:22; 8:1; 33:22; 37:1; 40:1. w22.11 4 § 7-8.

Madi 24 septanm

N ap tande yon vwa dèyè nou. — Eza. 30:21.

Pwofèt Ezayi dekri Jewova antanke yon pwofesè k ap suiv elèv li yo toutpandan l ap mache dèyè yo, e l ap di yo ki kote pou yo fè pou l gide yo. Jodi a, nou tande vwa Bondye dèyè nou. Ki jan? Depi byen lontan, Bondye te fè ekri pawòl li yo nan Bib la. Donk, lè nou li Bib la, se kòmsi n ap tande vwa Bondye dèyè nou (Eza. 51:4). Ki jan nou ka byen pwofite enstriksyon Jewova bay la? N ap remake Ezayi te di de bagay. Premyèman, li te di: “Men chemen an.” Dezyèmman, li te di: “Mache ladan l.” Konnen “chemen an” se youn. Men, nou bezwen “mache ladan l” tou. Nou aprann sa Jewova vle nou fè pa mwayen Pawòl li a ak fason òganizasyon l lan ede n konprann li. Nou aprann tou fason pou n aplike sa n aprann yo. Pou n andire ak kè kontan nan sèvis n ap bay Jewova a, nou bezwen fè toule de bagay sa yo. Se sèlman lè n fè sa n ap kapab gen asirans Jewova ap rekonpanse nou. w22.11 11 § 10-11.

Mèkredi 25 septanm

Apre m fin ale, gen moun ki tankou lou mechan k ap antre nan mitan nou. — Tra. 20:29.

Yon ti tan apre pifò apot Jezi yo fin mouri, te vin gen fo kretyen nan kongregasyon an (Mat. 13:​24-27, 37-39). Yo te “pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo”. (Tra. 20:30.) Fo kretyen sa yo te fè konnen Jezi pa t bay kò l “yon sèl fwa pou l pote peche anpil moun”, jan Bib la di sa, e se youn nan “bagay kwochi” yo te vin ap anseye. Yo te fè konprann sakrifis li a dwe fèt plizyè fwa ankò (Ebre 9:​27, 28). Jodi a gen anpil moun sensè ki kwè nan fo ansèyman sa a. Y al legliz chak semèn, pafwa chak jou, pou yo selebre sakrifis Jezi a, sa yo rele “Kominyon an”. Gen lòt relijyon ki pa selebre lanmò Jezi souvan konsa, men pifò nan manm yo pa fin byen konprann enpòtans sakrifis Jezi te fè a genyen. w23.01 21 § 5.

Jedi 26 septanm

Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun. — Ebre 13:16.

Pandan Rèy mil an Jezi a, li pral leve moun ki mouri yo e li pral ede tout moun ki obeyisan yo pou yo vin pafè. Moun Jewova di ki jis yo “gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan”. (Sòm 37:​10, 11, 29.) Erezman, Jezi pral “elimine” “dènye ènmi” an, anpalan de lanmò (1 Kor. 15:26). Pawòl Bondye a ban nou bonjan espwa nou kapab viv pou toutan. Espwa sa a kapab ede n pou n ret fidèl nan dènye jou sa yo ki difisil. Men, pou n fè Jewova plezi, se pa anvi pou n viv pou toutan an ki dwe pi enpòtan pou nou. Pi gwo rezon nou genyen pou n ret fidèl ak Jewova ak Jezi se paske nou renmen yo anpil (2 Kor. 5:​14, 15). Lanmou sa a pouse n imite yo epi fè lòt moun konnen esperans nou genyen an (Wom. 10:​13-15). Lè n aprann pou n pa wè tèt nou sèlman ak lè n renmen bay, nou vin kalite moun Jewova vle kòm zanmi l pou toutan. w22.12 6-7 § 15-16.

Vandredi 27 septanm

Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. — 2 Tim. 3:12.

Lè n jwenn pèsekisyon, sa kapab fè n pa fè yon seri bagay ki fè n santi n anpè nòmalman. Nou ka vin ap enkyete, nou ka ap mande tèt nou ki sa k pral rive apre sa. Li nòmal pou n santi n konsa. Sepandan, nou dwe fè atansyon. Jezi te montre pèsekisyon ka fè disip li yo bite (Jan 16:​1, 2). Se vre, Jezi te di n ap jwenn pèsekisyon. Men, li te ban n asirans tou n ap kapab ret fidèl (Jan 15:20; 16:33). Lè yo entèdi travay n ap fè a oswa yo met gwo restriksyon sou li, biwo filyal la ak ansyen yo ka ban nou yon seri enstriksyon. Yo ban nou enstriksyon sa yo pou pwoteje n, epi pou n kontinye jwenn sa n bezwen pou n gen bon relasyon ak Jewova e pou ede n kontinye fè tout sa n kapab pou n preche. Fè anpil efò pou w obeyi enstriksyon w resevwa yo (Jak 3:17). Epitou, pa janm bay enfòmasyon sou frè n ak sè n yo lè w ap pale ak moun ki pa gen dwa gen enfòmasyon sa yo. — Ekl. 3:7. w22.12 20-21 § 14-16.

Samdi 28 septanm

Demontre menm devouman an. — Ebre 6:11.

Jodi a, Jezi kontinye dirije disip li yo pandan y ap preche mesaj Wayòm Bondye a sou tout tè a. Li fè sa l te pwomèt la. Pa mwayen òganizasyon Jewova a, Jezi montre n fason pou n preche e li ban n zouti nou bezwen pou n simaye bon nouvèl la (Mat. 28:​18-20). Nou jwe wòl pa nou lè n fè anpil efò pou n preche lòt moun, lè n anseye yo e lè n kontinye veye kò nou pandan n ap tann Jewova detwi sistèm sa a. Lè n aplike konsèy nou jwenn nan Ebre 6:​11, 12 la, n ap kenbe esperans nou an fèm “jiska lafen”. Jewova fikse yon jou ak yon lè pou l detwi sistèm Satan an. Lè jou sa a rive, san mank Jewova ap reyalize yon seri pwofesi li te fè ekri nan Pawòl li a. Men, pafwa nou ka panse lafen an pran twòp tan pou l rive. Sepandan, jou Jewova a “pap anreta”! (Aba. 2:3.) Kidonk, ann pran detèminasyon pou n “kontinye ret tann Jewova”, pandan n ap montre n ap “tann Bondye delivrans [nou] an avèk pasyans”. — Miche 7:7. w23.02 19 § 15-16.

Dimanch 29 septanm

Pa gen tankou w. — Sòm 40:5.

Objektif yon moun k ap grenpe yon mòn se pou l rive nan tèt mòn nan. Sepandan, gen kèk kote li kapab pran yon ti poz pou l admire bèl bagay li wè toutotou l. Menm jan an tou, pran yon ti poz detanzantan pou w reflechi sou fason Jewova ap ede w reyisi menm lè w nan yon sitiyasyon difisil. Nan fen chak jounen, mande tèt ou: ‘Ki fason m te wè Jewova ede m jodi a? Menm lè eprèv la toujou la, ki fason Jewova ede m pou m andire?’ Eseye jwenn omwen youn nan fason Jewova te ede w reyisi. An reyalite, ou ka ap priye pou eprèv la sispann, nou konprann sa e se nòmal (Flp. 4:6). Men, nou bezwen wè tou benediksyon Jewova ban nou depi kounye a. Dayè, Jewova pwomèt l ap ban nou fòs e l ap ede n pou n andire. Donk, ou toujou bezwen montre w gen rekonesans lefètke Jewova ap ede w. Lè w fè sa, w ap wè jan Jewova ede w reyisi, menm nan moman eprèv. — Jen. 41:​51, 52. w23.01 19 § 17-18.

Lendi 30 septanm

Toujou kenbe [jou Jewova a] nan lespri nou. — 2 Pyè 3:12.

Mande tèt ou: ‘Èske fason m ap viv montre mwen konprann sistèm sa a pral fini talè konsa? Èske desizyon m pran anrapò ak sa m chwazi aprann ak travay mwen chwazi fè montre se sèvi Jewova ki pi enpòtan nan lavi m? Èske m gen lafwa Jewova ap pran swen m e l ap pran swen fanmi m?’ Reflechi sou jan sa fè Jewova plezi lè l wè n ap fè efò pou n viv ann amoni ak volonte l (Mat. 6:​25-27, 33; Flp. 4:​12, 13). Tanzantan, nou bezwen egzamine fason n panse, e apre sa, nou bezwen fè chanjman ki nesesè yo. Men sa Pòl te di kretyen nan vil Korent yo: “Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye.” (2 Kor. 13:5). Se sa k fè nou bezwen kontinye bay lespri nou yon lòt direksyon lè n li Pawòl Bondye a, lè n aprann panse menm jan ak Jewova e lè n fè tout sa ki nesesè pou n fè volonte l. — 1 Kor. 2:​14-16. w23.01 9 § 5-6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje