Oktòb
Madi 1ye oktòb
M ap fè louwanj pou ou nan mitan kongregasyon an. — Sòm 22:22.
Nou tout kapab fè reyinyon yo ankourajan lè n chante awotvwa e lè n fè kòmantè nou te byen prepare. Gen moun ki twouve l difisil pou yo chante an piblik oswa pou yo fè kòmantè. Èske se ka pa w? Si se ka pa w, egzamine ki sa lòt moun te fè pou yo rive chante epi fè kòmantè nan reyinyon yo. Chante ak tout kè w. Lè n ap chante kantik Wayòm yo, sa k ta dwe pi enpòtan pou nou se louwe Jewova. Kidonk, fè preparasyon pou n chante kantik yo depi lakay nou, menm jan nou prepare lòt pati nan reyinyon yo, epi chèche wè rapò ki genyen ant pawòl ki nan kantik yo ak sijè yo pral pale sou yo nan reyinyon yo. Epitou, plis konsantre sou pawòl yo olye n konsantre sou vwa n. Fè kòmantè ka difisil anpil pou kèk moun. Ki sa k ka ede? Chèche fè kòmantè regilyèman. Sonje, pa gen okenn pwoblèm si repons ou bay la kout, li senp e li dirèk. Jewova kontan anpil lè n fè tout sa n kapab pou n fè kòmantè nan reyinyon yo. w22.04 7-8 § 12-15.
Mèkredi 2 oktòb
Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. — Ebre 13:6.
Mo “èd” la fè referans ak yon moun ki kouri al ede yon moun k ap mande pote l sekou. Imajine Jewova k ap kouri al delivre yon moun ki nan yon sitiyasyon difisil. Se sèten w ap dakò esplikasyon sa a montre jis nan ki pwen Jewova vrèman vle ede n. Lè Jewova ap ede n, nou kapab andire eprèv nou jwenn yo ak kè kontan. Ki fason konsa Jewova ede n? Pou n reponn kesyon sa a, n ap fè yon ti pale sou liv Ezayi a. Poukisa? Anpil nan pwofesi Jewova te fè pwofèt Ezayi ekri yo gen rapò ak sèvitè L yo jodi a. Anplis de sa, byen souvan, lè pwofèt Ezayi ap pale konsènan Jewova, li itilize yon seri ekspresyon nou kapab konprann byen fasil. Ann pran egzanp Ezayi chapit 30. Nan chapit sa a, Ezayi sèvi ak yon seri pawòl ki kreye bèl imaj nan lespri nou pou l esplike jan Jewova ede n antanke pèp li. Li fè konnen Jewova ede n 1) lè l koute priyè n yo avèk anpil atansyon e lè l reponn yo, 2) lè l gide nou, e 3) lè l ban n benediksyon kounye a e alavni. w22.11 8 § 2-3.
Jedi 3 oktòb
Ou pa bezwen pè bagay ou pral sibi yo. [...] Se pou w rete fidèl jiska lamò, e m ap ba ou kouwòn lavi a. — Rev. 2:10.
Nan mesaj Jezi te bay kongregasyon Esmin ak Filadèlfi, li te di kretyen sa yo pou yo pa pè sibi pèsekisyon, paske Jewova t ap rekonpanse yo si yo ret fidèl (Rev. 3:10). Nou dwe atann n ap jwenn pèsekisyon e nou dwe dispoze andire (Mat. 24:9, 13; 2 Kor. 12:10). Liv Revelasyon an fè n konnen pèp Bondye a t ap jwenn pèsekisyon nan epòk nou an, sa vle di nan “jou Seyè a”. (Rev. 1:10.) Revelasyon chapit 12 fè konnen gen yon gè ki te eklate nan syèl la tousuit apre Jezi te vin Wa. Mikayèl, anpalan de Jezi Kris lè l retounen nan syèl la, ak zanj li yo batay ak Satan ak demon l yo (Rev. 12:7, 8). Konsa, ènmi Bondye yo te pèdi batay la e yo te pimpe yo sou tè a, sa ki lakòz anpil soufrans pou tè a e pou moun ki abite sou li yo. — Rev. 12:9, 12. w22.05 5 § 12-13.
Vandredi 4 oktòb
Jewova, Bondye nou an, pa konn fè enjistis. — 2 Kwo. 19:7.
Jewova toujou jije yon fason ki jis e ki dwat. Li pa janm nan patipri. Jewova pa janm gade sou aparans yon moun, sou richès li, gwo pozisyon l genyen oswa kapasite l, pou l deside si l ap padone l (1 Sam. 16:7; Jak 2:1-4). Pa gen okenn moun ki ka bay Jewova presyon oswa ki ka achte l. Li pa janm kite kòlè oswa santiman pouse l pran desizyon (Egz. 34:7). Pa gen dout, bon konprann ak kapasite Jewova genyen pou l wè tout ti detay nan yon sitiyasyon fè se li ki pi bon Jij la (Det. 32:4). Moun ki te patisipe nan ekri Liv ki te ekri ann ebre yo te rekonèt Jewova pa gen parèy nan fason l padone. Nan kèk ka, yo te itilize yon mo ebre yon ouvraj referans di ki “la espesyalman pou montre jan Bondye padone yon moun ki peche. Yo pa janm itilize mo sa a nan ka kote yon moun padone yon lòt moun, paske padon nou gen limit”. Lè yon moun peche e li repanti, se sèl Jewova ki gen pouvwa pou l padone l nèt. w22.06 4 § 10-11.
Samdi 5 oktòb
Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l. — Pwo. 22:6.
Si w ap leve pitit ou poukò w oswa nan yon kay kote se pa tout moun k ap sèvi Jewova, ou mèt kwè bèl egzanp ou bay ankouraje moun k ap viv bò kote w e sa gen efè sou yo tou. E si pitit ou ta sanble pa vle suiv direksyon w ta renmen ba li a? Sonje, fòme yon timoun mande tan. Lè w plante yon ti semans, ou ka mande tèt ou si l ap janm vin yon pyebwa k ap bay fwi. Byenke w pa ka konnen si l ap donnen yon lè, ou kontinye wouze l pou l ka grandi pi byen (Mak 4:26-29). Menm jan an tou, antanke manman, pafwa w ka ap mande tèt ou èske w rive touche kè pitit ou. Ou pa ka konnen ki desizyon pitit ou ap pran. Men, si w kontinye fè tout sa w kapab pou w ba yo fòmasyon, ou ba yo plis posiblite pou yo vin zanmi Jewova. — w22.04 19-20 § 16-17.
Dimanch 6 oktòb
Ògèy lakòz moun tonbe, e awogans lakòz moun bite. — Pwo. 16:18.
Lè Salomon te fidèl ak Jewova, li te gen ekilib nan fason l te wè tèt li. Lè l te jèn gason, li te rekonèt limit li e l te mande Jewova pou l gide l (1 Wa. 3:7-9). Lè Salomon te fèk kòmanse dirije antanke wa, li te konn danje ki genyen lè yon moun vin gen ògèy. Malerezman, pi devan, Salomon pa t aplike pwòp konsèy li te bay. Rive yon lè, li te kite ògèy fè l kòmanse dezobeyi Bondye. Pa egzanp, gen yon lwa ki te di yon wa ebre pa dwe “gen anpil madanm, pou sa pa detounen l”. (Det. 17:17.) Salomon te meprize lwa sa a, e li te vin gen 700 madan marye ak 300 madanm sou kote (1 Wa 11:1-3)! Petèt, Salomon te panse li te ka jere sa. Rive yon lè, piske Salomon te dezobeyi Jewova, li te peye sa chè. — 1 Wa 11:9-13. w22.05 23 § 12.
Lendi 7 oktòb
“Moun ki jis la ap kontinye viv grasa lafwa li genyen”, e “si l fè bak, mwen pap pran plezi nan li.” — Ebre 10:38.
Jodi a, moun yo gen yon desizyon enpòtan pou yo pran. Èske y ap aksepte soutni Jewova Dye antanke Dirijan ki gen dwa gouvène linivè, oswa èske y ap pran pozisyon pou ènmi l lan ki mechan anpil, anpalan de Satan Ledyab? Chak moun dwe fè yon chwa. Desizyon yo pran an ap fè swa yo viv pou toutan swa yo detwi (Mat. 25:31-33, 46). Pandan “gwo tribilasyon an” yo pral resevwa yon mak k ap pèmèt yo sove oswa detwi (Rev. 7:14; 14:9-11; Eze. 9:4, 6). Si w aksepte Jewova dirije w, ou pran yon bon desizyon. Kounye a, ou ta renmen ede lòt moun fè bon chwa a tou. Gen benediksyon k ap tann moun ki fidèl ki dakò Jewova dirije yo. L ap bon pou n egzamine verite enpòtan sa yo. Lè nou fè sa, n ap anvi kontinye sèvi Jewova pi plis toujou. Mete sou sa, n ap kapab sèvi ak sa n aprann yo pou n ede lòt moun pran bon desizyon an epi kenbe desizyon sa a. w22.05 15 § 1-2.
Madi 8 oktòb
Nou byennere lè moun [...] di tout kalite move bagay ki pa vre sou nou. — Mat. 5:11.
Se Jewova pou n koute, se pa ènmi nou yo. Jòb te byen koute Jewova lè l t ap pale avè l. Jewova te rezone ak Jòb, se kòmsi l te di l: ‘Mwen konn tout sa k rive w. Èske w panse m pa kapab pran swen w?’ Jòb te reponn avèk imilite e l te gen anpil rekonesans pou bonte Jewova genyen. Men sa l te di: “Mwen te konn tande pale de ou, men kounye a, mwen wè w ak je m.” (Jòb 42:5). Lè Jòb te di pawòl sa yo, li te toujou chita nan sann e kò l te chaje bouton. Aktout sa, Jewova te fè Jòb konnen Li renmen l, e Li te ba l asirans li avè l (Jòb 42:7, 8). Jodi a tou, moun ka manke n dega, e yo ka vle fè n konprann nou pa vo anyen. Yo ka eseye sal repitasyon n oswa repitasyon òganizasyon an. Nan istwa Jòb la, nou aprann Jewova gen konfyans n ap ret fidèl avè l menm lè n jwenn eprèv. w22.06 24 § 15-16.
Mèkredi 9 oktòb
Maryaj Ti Mouton an rive. — Rev. 19:7.
Byenke pral gen yon gwo rèl lakontantman nan syèl la lè Gran Babilòn nan detwi, gen yon lòt bagay ki pral bay plis kè kontan toujou (Rev. 19:1-3). Anfèt, se evènman ki pi enpòtan nan liv Revelasyon an, anpalan de “maryaj Ti Mouton an”. (Rev. 19:6-9.) Tout 144000 moun yo ap nan syèl la yon ti tan anvan lagè Amagedon. Men, se pa lè sa a maryaj Ti Mouton an ap fèt. (Rev. 21:1, 2) Maryaj Ti Mouton an ap fèt apre lagè Amagedon, lè tout ènmi Bondye yo fin detwi (Sòm 45:3, 4, 13-17). Ki sa maryaj Ti Mouton an vle di toutbonvre pou lemarye ak lamarye? Ebyen, menm jan yon maryaj ini yon gason ak yon fi, se konsa tou, maryaj senbolik sa a pral ini Jezi Kris, Wa a, ansanm ak “lamarye” a, 144000 moun yo. Apre evènman enpòtan sa a, Jezi ak 144000 moun yo pral dirije tè a pandan 1000 an. — Rev. 20:6. w22.05 17 § 11-13.
Jedi 10 oktòb
Esklav sa a byennere si [mèt] [...] li jwenn se sa l ap fè! — Mat. 24:46.
Jezi te anonse, nan tan lafen an, li t ap tabli yon “esklav fidèl ki prevwayan” pou bay enstriksyon ki soti nan Pawòl Bondye a (Mat. 24:45). E l ap fè anpil travay vre. Siveyan nou an sèvi ak yon ti gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl pou bay pèp Bondye a ak moun ki enterese nan mesaj y ap preche a “manje nan bon moman”, sa vle di enstriksyon ki soti nan Pawòl Bondye a. Mesye sa yo pa panse yo gen dwa domine sou lafwa lòt moun (2 Kor. 1:24). Okontrè, yo rekonèt se Jezi Kris ki “dirijan e [ki] chèf” pèp li a (Eza. 55:4). Depi 1919, esklav fidèl la ap prepare divès piblikasyon ki bay moun ki fèk enterese yo posiblite pou yo aprann verite ki nan Pawòl Bondye a. An 1921, esklav la te prepare liv Hap Bondye a (ann anglè) pou ede moun ki enterese yo aprann ansèyman de baz ki nan Bib la. Tank tan yo t ap chanje, yo te vin pibliye plis piblikasyon. Ki piblikasyon ki te ede w aprann konnen Papa nou ki nan syèl la epi vin renmen l? w22.07 10 § 9-10.
Vandredi 11 oktòb
W ap fè m rete bò kote w pou toutan. — Sòm 41:12.
Se Jewova ki pi renmen bay. Kèlkeswa sa w ba li a, l ap toujou ba w plis (Mak 10:29, 30). Si w chwazi sèvi Jewova, li kapab ede w viv pi bon fason an, fason ki bay plis satisfaksyon ak kè kontan, menm kounye a nan vye monn sa a k ap depafini. E gen plis bagay k ap tann ou toujou. Lavi ou vin ap mennen apre w fin batize a fèk kòmanse. Ou kapab kontinye sèvi Papa w ou renmen an pou toutan. W ap kontinye renmen l pi plis toujou e li menm tou l ap kontinye renmen w pi plis, epitou w ap ka viv pou toutan menm jan avè l. Lè w pran dispozisyon pou w vwe Jewova lavi w e pou w batize, ou gen privilèj pou w bay Papa w ki nan syèl la yon bagay ki vrèman gen anpil valè. Se li menm ki ba w tout bon bagay, tout moman w viv ki ba w kè kontan. E ou menm bò kote pa w, ou kapab bay Sila a ki fè syèl la ak tè a yon bagay li poko genyen, ou kapab chwazi sèvi l ak tout kè w (Jòb 1:8; 41:11; Pwo. 27:11). Se pi bon fason w kapab viv lavi w. Pa gen dout, pi gwo rezon w genyen pou w batize se paske w renmen Jewova. w23.03 6 § 16-17.
Samdi 12 oktòb
Ki jan yon jèn gason ka mennen yon vi ki pwòp? Se lè li veye pou l aji dapre pawòl ou. — Sòm 119:9.
Pandan adolesans ou, dezi seksyèl ou genyen yo kapab fò anpil, e lòt moun ka ap fè gwo presyon sou ou pou w fè imoralite seksyèl. Se sa Satan ta renmen w fè. Ki sa k ka ede w rete pwòp nan domèn moral? (1 Tes. 4:3, 4) Lè w ap priye, di Jewova sa w santi. Fè l konnen ki jan w santi w toutbon, e mande l pou l ba w fòs (Mat. 6:13). Sonje Jewova vle ede w, li pa vle kondane w (Sòm 103:13, 14). Pa chèche rezoud pwoblèm ou yo poukò w. Fè paran w konnen sa k ap trakase w. Se vre, li pa fasil pou w pale sou bagay konsa, men li enpòtan pou w fè sa Lè w li Bib la, e w medite sou prensip ki ladan l yo, l ap pi fasil pou w pran desizyon k ap fè kè Jewova kontan. W ap remake ou pa bezwen gen yon règ pou chak sitiyasyon, paske w ap vin konprann fason Jewova panse. w22.08 5 § 10-12.
Dimanch 13 oktòb
Si yon moun pa bay moun ki sou kont li sa yo gen bezwen, [...] li nye lafwa. — 1 Tim. 5:8.
Yon chèf fanmi ki kretyen bay responsablite li genyen pou l pran swen fanmi l anpil valè. Si w se yon chèf fanmi, petèt ou ka ap mande tèt ou èske w kapab bay fanmi w manje epi peye kay ou. Oubyen tou, ou ka pè si w pèdi travay ou pou w pa ta ka jwenn yon lòt. Oswa, ou ka panse li pa posib pou w viv ak mwens kòb. Satan rive fè kèk moun sispann sèvi Jewova paske yo kite sitiyasyon konsa fè yo pè. Satan eseye fè n kwè Jewova pa enterese nan nou pèsonèlman e Li pa fè anyen pou ede n pran swen fanmi nou. Sa ka fè n panse nou oblije fè nenpòt bagay pou n kenbe travay nou, menmsi sa ta vle di pou n vag sou prensip biblik yo. w22.06 15 § 5-6.
Lendi 14 oktòb
Esperans sa a nou genyen an tankou yon lank batiman pou nanm nou, li sèten e anmenmtan li solid. — Ebre 6:19.
Nou konnen Bondye nou an se yon Bondye ki gen “mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite”. (Egz. 34:6.) Jewova renmen jistis (Eza. 61:8). Sa fè l mal lè l wè n ap soufri, e li pa ka tann pou l elimine tout soufrans nan moman li fikse a (Jer. 29:11). Se pa ti tann n ap tann bèl moman sa a rive! Pa gen dout, nou renmen Jewova anpil! Ki rezon ankò nou genyen pou n renmen laverite? Laverite bon pou nou anpil. Ann pran yon egzanp. Esperans nou genyen pou lavni an se youn nan verite ki nan Bib la. Menm jan yon lank batiman fè yon bato ret anplas, esperans nou genyen ki baze sou Bib la ka fè nou rete djanm lè n jwenn eprèv nan lavi a. Nan tèks pou jounen an, apot Pòl t ap pale konsènan esperans kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo genyen pou y al viv nan syèl la, yon esperans yo bay anpil valè. Men tou, pawòl sa yo konsène kretyen ki gen esperans pou yo viv pou toutan nan yon paradi sou tè a (Jan 3:16). Vrèmanvre, lè n vin gen esperans pou n gen lavi ki pap janm fini an, sa bay lavi n yon sans. w22.08 14-15 § 3-5.
Madi 15 oktòb
Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè. — Efe. 4:26.
Ou pa ka fè yon moun konfyans si w pa renmen l. Premye Korentyen chapit 13 pale sou plizyè aspè nan lanmou ki kapab ede n fè lòt moun konfyans oswa rekòmanse fè yo konfyans (1 Kor. 13:4-8). Pa egzanp, vèsè 4 la di “lanmou gen pasyans ak byenveyans”. Jewova pran pasyans ak nou, menm lè n peche kont li. Donk, se sèten nou kapab pran pasyans ak frè n ak sè n yo si yo di n oswa yo fè n yon bagay ki kontrarye n oswa ki fè nou mal. Vèsè 5 lan di: “[Lanmou] pa fè kòlè fasil. Li pa note bagay mal yo fè l.” Nou pa ta renmen pou n ta toujou ap sonje sa yon frè n oswa yon sè n te di n oswa te fè n ki te fè nou mal. Eklezyas 7:9 di nou pa dwe “kouri fache”. Chèche wè frè n ak sè n yo jan Jewova wè yo. Bondye renmen yo e li pa konte peche yo fè. Nou pa ta dwe fè sa tou (Sòm 130:3). Olye n konsantre sou defo yo, chèche wè bèl kalite yo genyen. — Mat. 7:1-5. w22.09 3-4 § 6-7.
Mèkredi 16 oktòb
Pral gen yon tan kote ap gen anpil malè. — Dàn. 12:1.
Liv Dànyèl la fè konnen gen yon seri evènman estrawòdinè ki pral rive youn apre lòt nan tan lafen an. Pa egzanp, Dànyèl 12:1 fè konnen Mikayèl, anpalan de Jezi Kris, ap “aji pou byen pèp” Bondye a. Pati sa a nan pwofesi a te kòmanse reyalize an 1914 lè Jezi te vin Wa nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la. Sepandan, yo te fè Dànyèl konnen tou Jezi t ap “leve kanpe” nan “yon tan kote ap gen anpil malè, yon tan ki pa t janm egziste anvan sa, depi lè te vin gen yon nasyon rive jis nan tan sa a”. “Tan kote ap gen anpil malè” a se “gwo tribilasyon” Matye 24:21 anonse a. Jezi leve kanpe, oswa l ap aji pou l defann pèp Bondye a, lè tan kote ap gen anpil malè a rive nan bout li, sa vle di nan Amagedon. Liv Revelasyon an pale konsènan moun sa yo antanke yon “gwo foul moun” “ki soti anba gwo tribilasyon an”. — Rev. 7:9, 14. w22.09 21 § 4-5.
Jedi 17 oktòb
Se non moun ki peche kont mwen m ap retire nan liv mwen an. — Egz. 32:33.
Jewova ka retire oswa efase non li deja ekri nan liv sa a, kòmsi se ak kreyon li te ekri yo okòmansman (Rev. 3:5). Nou dwe veye pou non nou ret nan liv sa a jiskaske, nan yon sans, Jewova ekri yo ak lank, konsa y ap ret ladan l nèt. Yon gwoup moun ki gen non yo ekri nan liv lavi a se moun Bondye chwazi pou al dirije ak Jezi nan syèl la. Selon sa apot Pòl te di “konpayon travay” li yo nan vil Filip, non moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, ki pral dirije ansanm ak Jezi, nan liv lavi a (Flp. 4:3). Men, pou non yo rete nan liv senbolik sa a, yo dwe ret fidèl. Donk, lè yo poze dènye so a sou yo, kit se anvan yo mouri oswa anvan gwo tribilasyon an kòmanse, non yo ap ekri nèt nan liv sa a. — Rev. 7:3. w22.09 14 § 3; 15 § 5-6.
Vandredi 18 oktòb
Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l! — Lik 11:28.
Èske w te janm viv yon eksperyans ki sanble ak eksperyans ki vin annapre a? Yon moun prepare youn nan manje ou pi renmen yo. Men, swa paske w twò prese oswa paske w gen yon bagay k ap trakase lespri w, ou manje manje a byen vit san w pa vrèman byen pran gou l. Lè w fin manje, ou rann ou kont ou te manje twò vit e w regrèt ou pa t pran plis tan pou w te ka byen pran gou manje a. Menm jan an tou, èske sa konn rive pafwa, ou tèlman li Bib la vit, ou pa menm byen pwofite mesaj ki ladan l lan? Pran tan pou w byen pwofite Pawòl Bondye a. Eseye imajine sèn yo, imajine son vwa moun yo, epi reflechi sou sa w li a. Lè w fè tout sa, sa ap fè w gen plis kè kontan. Jezi bay “esklav fidèl ki prevwayan an” responsablite pou l ban nou manje nan bon moman, e li byen pran swen nou (Mat. 24:45). Tout ansèyman esklav fidèl la bay baze sou Pawòl Bondye te fè ekri a. — 1 Tes. 2:13. w22.10 7-8 § 6-8.
Samdi 19 oktòb
Moun ki gen konfyans nan tèt yo pase nou nan rizib kont yo. — Sòm 123:4.
Bib la te avèti nou, nan dènye jou yo, t ap gen anpil moun k ap pase moun nan rizib (2 Pyè 3:3, 4). Yo aji konsa paske yo vle suiv “pwòp dezi yo genyen pou bagay ki dezonore Bondye”. (Jid 7, 17, 18.) Ki jan n ka veye pou n pa vin menm jan ak moun k ap pase moun nan rizib yo? Youn nan fason nou ka fè sa se lè n pa frekante moun ki renmen kritike (Sòm 1:1). Sa vle di, nou pa koute aposta yo oswa nou pa li anyen yo ekri. Nou konprann, si n pa fè atansyon, nou ka vin renmen kritike e nou ka vin gen dout sou Jewova ak sou enstriksyon òganizasyon l lan bay. Pou sa pa rive nou, nou ka mande tèt nou: ‘Èske m toujou gen bagay negatif pou m di lè n resevwa nouvo enstriksyon oswa nouvo esplikasyon? Èske m gen tandans kritike frè ki alatèt yo?’ Lè n aji byen vit pou n korije tandans sa yo nou ta gen lakay nou, n ap fè kè Jewova kontan. — Pwo. 3:34, 35. w22.10 20 § 9-10.
Dimanch 20 oktòb
Pèp Izrayèl la li menm pap vle koute w. — Eze. 3:7.
Lespri Bondye te bay Ezekyèl fòs pou l te preche “yon bann moun” nan tèritwa l la ki te gen “tèt di [e] ki pa [t] vle chanje”. Men sa Jewova te di Ezekyèl: “M ap ba w fòs pou w kanpe tennfas devan yo menm jan yo menm yo kontinye ap fè tèt di avè m. Mwen fè fwon w vin tankou yon dyaman, mwen fè l vin pi di pase wòch silèks. Pinga w pè yo, ni pinga w pè figi yo.” (Eze. 3:8, 9). Anfèt, se kòmsi Jewova te di Ezekyèl: ‘Pa kite moun tèt di sa yo fè w dekouraje. M ap ba w fòs.’ Apre sa, lespri Bondye te pran Ezekyèl li ale avè l nan tèritwa li t apral preche a. Men sa Ezekyèl te ekri: “Pisans Jewova te poze sou mwen avèk fòs.” Sa te pran yon semèn pou pwofèt la te rive konprann mesaj li te gen pou l preche a (Eze. 3:14, 15). Annapre, Jewova te fè l ale nan yon vale kote “lespri Bondye [te] antre nan” li (Eze. 3:23, 24). Ezekyèl te pare pou l kòmanse sèvis li. w22.11 4-5 § 8-9.
Lendi 21 oktòb
O Jewova, konbyen tan pou m fè ap rele w pou m mande w sekou anvan w tande m? [...] Poukisa w tolere moun k ap toupizi lòt moun? — Aba. 1:2, 3.
Pwofèt Abakouk te jwenn anpil pwoblèm. Yon lè, sanble l te gen dout Jewova gen sousi pou li. Se sa k fè li te fè Jewova konnen sa l santi lè l t ap priye l. Jewova te reponn priyè sèvitè fidèl li a te fè ak tout kè l (Aba. 2:2, 3). Apre Abakouk te fin medite sou sa Jewova te fè pou l sove pèp li a, li te vin gen kè kontan ankò. Li te vin gen konviksyon Jewova gen sousi pou li e l t ap kapab ede l andire nenpòt eprèv (Aba. 3:17-19). Ki leson nou aprann? Lè w jwenn pwoblèm, priye Jewova pou w di l jan w santi w. Epi, tann li ede w. Lè w fè sa, ou kapab gen konfyans Jewova ap ba w fòs ou bezwen pou w andire. E lè w santi l ap ede w, w ap vin gen plis lafwa nan li. Si w kontinye fè tout sa k ede w gen bon relasyon ak Jewova, ou pap kite dout oswa pwoblèm fè w sispann sèvi l. — 1 Tim. 6:6-8. w22.11 15 § 6-7.
Madi 22 oktòb
Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avè m nan Paradi a. — Lik 23:43.
Jezi ak de bandi ki te bò kote l yo t ap soufri pandan yo t apral mouri (Lik 23:32, 33). Toule de bandi yo t ap pase Jezi nan jwèt (Mat. 27:44; Mak 15:32). Men, gen youn nan yo ki te chanje atitid. Li te di: “Jezi, sonje m lè w vin wa.” Jezi te reponn li ak pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an (Lik 23:39-42). Pawòl Jezi te di bandi a ta dwe fè n panse ak jan lavi a pral ye nan Paradi a. Anfèt, nou ka aprann yon bagay sou Paradi a lè n reflechi sou rèy Salomon an ki te gen lapè. E nou ka atann Jezi, li menm ki pi enpòtan pase Salomon, pral travay ansanm ak moun ki pral dirije ansanm avè l yo pou fè tè a vin yon bèl paradi (Mat. 12:42). Nou konprann rezon ki fè “lòt mouton” yo ta dwe chèche konnen ki sa yo bezwen fè pou yo ka gen posiblite pou yo viv pou toutan nan Paradi a. — Jan 10:16. w22.12 8 § 1; 9 § 4.
Mèkredi 23 oktòb
W ap annik rele pou w mande sekou, Bondye ap vin ede w kanmenm. — Eza. 30:19.
Ezayi ban nou asirans Jewova ap koute n avèk anpil atansyon lè n ap rele l pou mande l sekou, e l ap aji byen vit pou l reponn priyè nou yo. Men sa Ezayi di ankò: “L ap annik tande rèl ou, l ap reponn ou.” Pawòl ankourajan sa yo fè n sonje Papa nou an vrèman vle ede moun k ap mande l pou l ede yo. Piske nou konn sa, sa ede n andire ak kè kontan. Jewova koute priyè nou chak avèk anpil atansyon. Sa k fè n kapab di sa? Menmsi nan chapit 30 lan se ak tout nasyon an Jewova t ap pale, nan vèsè 19 la, li itilize pwonon “ou” a, tankou l t ap pale ak yon sèl moun. Men sa Ezayi ekri: “Ou pap kriye menm”, “Bondye ap vin ede w kanmenm”, “l ap reponn ou”. Piske Jewova se yon Papa ki renmen pitit li, li gen sousi pou nou chak e li pran san l pou l koute priyè nou chak. — Sòm 116:1; Eza. 57:15. w22.11 9 § 5-6.
Jedi 24 oktòb
Se pou nou pridan tankou sèpan e se pou nou inosan tankou pijon. — Mat. 10:16.
Lè n kontinye preche lè n jwenn opozisyon e nou kontinye anseye, sa ap fè n gen kè kontan e n ap santi n anpè. Nan premye syèk la, lè otorite juif yo te bay apot yo lòd pou yo sispann preche, gason fidèl sa yo te chwazi obeyi Bondye. Yo te kontinye preche, e travay sa a te ba yo kè kontan (Tra. 5:27-29, 41, 42). Nòmalman, lè yo met restriksyon sou travay n ap fè a, nou dwe pran prekosyon lè n ap preche. Men, si n kontinye fè tout sa n kapab, n ap santi n anpè lefètke n konnen nou fè kè Jewova kontan e dèske n ap pataje yon mesaj ak moun yo ki kapab sove lavi yo. Nou mèt gen konfyans nou kapab santi n anpè menm nan moman ki pi difisil yo. Lè konsa, nou dwe sonje lapè nou bezwen an se lapè sèl Jewova kapab bay la. Konte sou li lè gen yon epidemi, yon katastwòf, oswa pèsekisyon. Ret atache ak òganizasyon l lan. Reflechi sou bèl avni k ap tann ou. Lè w fè sa, “Bondye lapè a ap avèk [ou]”. — Flp. 4:9. w22.12 21 § 17-18.
Vandredi 25 oktòb
Abiye ak nouvo pèsonalite a. — Efe. 4:24.
Sa mande efò pou n rive fè sa. Pami defo nou dwe fè efò pou n retire lakay nou, gen rankin malveyan, kòlè ak move san. Sa k fè sa ka pa fasil? Paske gen yon seri defo ki byen anrasinen lakay nou. Pa egzanp, Bib la di gen moun ki gen “tandans fè kòlè” e gen moun ki “renmen fè gwo kòlè”. (Pwo. 29:22.) Pou n rive retire yon seri defo ki byen anrasinen lakay nou, se sèten n ap bezwen kontinye fè efò menm apre n fin batize (Wom. 7:21-23). Priye Jewova pou defo w ap goumen avè l la, toutpandan w gen asirans l ap tande w e l ap ede w (1 Jan 5:14, 15). Se vre Jewova pap fè mirak pou l elimine defo a, men li ka ba w fòs pou w kontinye lite ak defo sa a (1 Pyè 5:10). Anmenmtan, aji ann amoni ak priyè w lè w pa fè yon seri bagay ki ta kapab fè ansyen pèsonalite a retounen. Epi, pa ret ap panse ak move dezi. — Flp. 4:8; Kol. 3:2. w23.01 10 § 7, 9-10.
Samdi 26 oktòb
Yon moun ki renmen Bondye dwe renmen frè l tou. — 1 Jan 4:21.
Youn nan fason nou ka montre nou renmen lòt moun se lè nou chofe nan travay predikasyon an. Nou pale ak chak moun nou rankontre. Nou pa gen prejije kont yon moun akoz ras li, tribi kote l soti, sitiyasyon ekonomik li oswa ran sosyal li. Konsa, nou aji ann amoni ak objektif Jewova “ki vle pou tout kalite moun sove e ki vle yo gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:4.) Nou montre tou nou renmen Bondye ak Kris lè nou montre nou renmen frè n ak sè n yo. Nou montre nou gen sousi pou yo e n ede yo lè yo nan eprèv. Nou konsole yo lè yo gen yon moun pa yo ki mouri, nou al wè yo lè yo malad, nou fè tout sa n kapab pou nou ankouraje yo lè yo dekouraje (2 Kor. 1:3-7; 1 Tes. 5:11, 14). Nou kontinye priye pou yo, paske nou konnen “lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas”. — Jak 5:16. w23.01 28-29 § 7-8.
Dimanch 27 oktòb
Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt. — 1 Tes. 5:11.
Menm jan yon moun k ap travay nan konstriksyon vin pi abil tank tan ap pase, nou menm tou, nou kapab vin pi abil nan fason n ap ankouraje youn lòt. Nou kapab ede lòt moun vin gen fòs pou yo andire eprèv lè nou rakonte yo istwa lòt moun ki te andire eprèv tou (Ebre 11:32-35; 12:1). Nou kapab fè efò pou gen lapè lè n pale konsènan bon bagay nou wè lakay lòt moun, lè n pa kite anyen anpeche n viv anpè ak lòt moun e lè n chèche fè lapè lè gen mezantant (Efe. 4:3). Epitou, nou kapab kontinye fòtifye lafwa frè n ak sè n yo lè n pale sou yon seri verite enpòtan ki nan Bib la ak yo, lè n ba yo èd yo bezwen e lè n ankouraje moun lafwa yo febli. Nou kapab gen kè kontan ak satisfaksyon lè n ede frè n ak sè n yo nan kongregasyon an pou yo vin gen yon lafwa ki solid. Kontrèman ak yon konstriksyon ki gen pou depafini yon lè, lè n ankouraje frè n ak sè n yo, rezilta sa bay kapab la pou toutan! w22.08 22 § 6; 25 § 17-18.
Lendi 28 oktòb
Se Jewova menm ki bay sajès, se nan bouch li pawòl ki fè moun gen konesans ak bon jijman soti. — Pwo. 2:6.
Jezi te montre nou bezwen gen bon jijman: yon kalite enpòtan k ap ede n konprann sa n li nan Pawòl Bondye a (Mat. 24:15). Ki sa bon jijman ye? Se kapasite yon moun genyen ki ede l wè rapò yon ide gen ak yon lòt, diferans ki gen ant ide sa a ak yon lòt, epi chèche konprann sa yo pa di aklè. Anplis de sa, Jezi te montre nou bezwen gen bon jijman pou n ka rive wè evènman k ap reyalize pwofesi ki nan Bib la. Nou bezwen gen bon jijman tou pou n ka byen pwofite tout sa nou li nan Bib la. Jewova bay sèvitè l yo bon jijman. Se sa k fè nou bezwen priye l pou n mande l ede n vin gen kalite sa a. Ki jan w ka aji ann amoni ak priyè w? Pran san w pou w egzamine sa w ap li a, e chèche wè rapò l genyen ak sa w deja konnen. Chèche sans yon pasaj nan Bib la e chèche wè fason w ka aplike l nan lavi w (Ebre 5:14). Lè w sèvi ak bon jijman pandan w ap li Bib la, w ap pi byen konprann sa w ap li a. w23.02 10 § 7-8.
Madi 29 oktòb
Se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste. — Tra. 17:28.
Imajine yon zanmi w fè w kado yon kay. Gen kèk kote nan kay la penti a dekale e gen kote ki koule. Malgre kay la gen kèk pwoblèm, li vo plizyè milyon dola. Se sèten ou t ap bay kay sa a anpil valè e w t ap pran swen l. Menm jan an tou, Jewova ban nou yon kado ki gen anpil valè, li ban nou lavi. Anfèt, Jewova montre jis nan ki pwen li bay lavi nou valè lè l te bay Pitit Gason l lan kòm ranson pou nou (Jan 3:16). Jewova se Sous lavi a (Sòm 36:9). Apot Pòl te dakò ak verite sa a lè l te di: “Se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste.” (Tra. 17:25, 28). Donk, nou kapab di lavi nou se yon kado Bondye ban nou. Li ban nou sa n bezwen pou n ret an vi e li fè sa yon fason ki montre li renmen nou (Tra. 14:15-17). Men, Jewova pa fè mirak pou l pwoteje lavi nou. Okontrè, li vle nou fè tout sa nou kapab pou n ret an sante e pou n kontinye sèvi l. — 2 Kor. 7:1 w23.02 20 § 1-2.
Mèkredi 30 oktòb
Ekri tout pawòl mwen di w yo nan yon liv. — Jer. 30:2.
Nou gen Jewova Dye anpil rekonesans pou Bib la li ban nou! Jewova ban nou bonjan konsèy nan Bib la ki ede n konn sa pou n fè lè n jwenn pwoblèm jodi a. Li ban nou yon bèl espwa pou lavni tou. Sa k pi enpòtan an, Jewova sèvi ak Bib la pou l fè nou konnen plizyè aspè nan pèsonalite l. Lè n medite sou bèl kalite li genyen yo, sa touche kè n anpil e sa pouse n pwoche bò kote Bondye nou an pou n vin bon zanmi l (Sòm 25:14). Jewova vle moun konnen l. Nan tan lontan, li te fè moun konnen kiyès li ye pa mwayen rèv, vizyon, e menm pa mwayen zanj (Nonb 12:6; Tra. 10:3, 4). Nou pa t ap ka etidye rèv sa yo, vizyon sa yo oswa mesaj sa yo zanj yo te bay si Bondye pa t fè ekri yo. Se poutèt sa Jewova te fè yon seri mesye “ekri” sa l te vle nou konnen yo “nan yon liv”. Piske “chemen vrè Dye a bon nèt”, nou kapab gen asirans fason sa a Bondye itilize pou l pale avèk nou an bon anpil e li ede nou. — Sòm 18:30. w23.02 2 § 1-2.
Jedi 31 oktòb
Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa. — Tra. 20:35.
Chèche gen bonjan objektif. Chèche gen objektif k ap ranfòse lafwa w e k ap ede w vin yon kretyen ki gen plis matirite (Efe. 3:16). Pa egzanp, ou ka deside pi byen suiv pwogram ou genyen pou w fè etid pèsonèl ou e pou w li Labib (Sòm 1:2, 3). Oubyen tou, ou kapab fè efò pou w priye pi souvan e pou w fè sa ak tout kè w. Petèt ou bezwen fè plis atansyon lè w ap chwazi detant w ap pran ak kantite tan w ap pase ladan yo (Efe. 5:15, 16). W ap vin gen plis matirite antanke kretyen lè w ede lòt moun. Pa egzanp, ou kapab chèche gen objektif pou w ede frè ak sè nan kongregasyon w lan ki granmoun e ki andikape. Petèt, ou kapab al fè komisyon pou yo, oswa montre yo ki jan pou yo sèvi ak aparèy elektwonik yo genyen. Epitou, ou montre w renmen moun ki pap sèvi Jewova yo lè w preche yo bon nouvèl Wayòm nan (Mat. 9:36, 37). E si sa posib, chèche gen objektif pou w antre nan yon fòm sèvis aplentan. w22.08 6 § 16-17.