BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es26 p. 26-36
  • Mas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mas
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
  • Soutit
  • Dimanch 1ye mas
  • Lendi 2 mas
  • Madi 3 mas
  • Mèkredi 4 mas
  • Jedi 5 mas
  • Vandredi 6 mas
  • Samdi 7 mas
  • Dimanch 8 mas
  • Lendi 9 mas
  • Madi 10 mas
  • Mèkredi 11 mas
  • Jedi 12 mas
  • Vandredi 13 mas
  • Samdi 14 mas
  • Dimanch 15 mas
  • Lendi 16 mas
  • Madi 17 mas
  • Mèkredi 18 mas
  • Jedi 19 mas
  • Vandredi 20 mas
  • Samdi 21 mas
  • Dimanch 22 mas
  • Lendi 23 mas
  • Madi 24 mas
  • Mèkredi 25 mas
  • Jedi 26 mas
  • Vandredi 27 mas
  • Samdi 28 mas
  • Dimanch 29 mas
  • Lendi 30 mas
  • Madi 31 mas
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
es26 p. 26-36

Mas

Dimanch 1ye mas

Yon moun ki mouri peye pou peche l. — Wom. 6:7.

Nou li istwa yon seri moun Bib la fè konnen ki te jis, men ki te vin enjis. Wa Salomon se youn nan yo. Li te konnen Jewova, li te konnen fason li dwe adore l, e Jewova te beni l anpil. Men, rive yon lè, Salomon te vin ap adore fo dye. Peche l te fè yo te fè Jewova fache anpil e sa te fè nasyon an soufri pandan plizyè syèk. Se vre Bib la di Salomon “al repoze bò kot zansèt li yo”, e pami zansèt sa yo gen yon seri mesye fidèl, tankou wa David (1 Wa 11:​5-9, 43; 2 Wa 23:13). Men, lefètke Bib la di sa, èske se yon garanti Salomon ap resisite? Bib la pa di anyen sou sa. Rezirèksyon an se yon kado Bondye ki gen lanmou an bay. Se moun li vle bay posiblite pou sèvi l pou toutan li bay kado sa a (Jòb 14:​13, 14; Jan 6:44). Èske Salomon ap jwenn kado sa a? Se Jewova ki konn repons lan. Nou pa konnen. Men, sa nou konnen, Jewova ap fè sa ki jis. w24.05 4 § 9.

Lendi 2 mas

M ap abite lakay ou pou toutan. — Sòm 61:4.

Lè nou vwe Jewova lavi nou, nou vin yon envite nan tant senbolik li a. Nou jwenn tout sa nou bezwen pou n ka kontinye gen yon relasyon solid avè l, e nou vin zanmi moun li envite yo tou. Tant senbolik Jewova a pa yon kote fiks. Nou jwenn tant Jewova a kèlkeswa kote ki gen moun k ap adore l fidèlman (Rev. 21:3). E sèvitè fidèl Jewova ki mouri yo? Èske nou kapab di Jewova toujou konsidere yo kòm envite nan tant li an? Wi! Sa k fè n ka di sa? Paske moun sa yo nan memwa Jewova. Men sa Jezi te di: “Sou kesyon mò ap leve a, menm Moyiz te fè konn sa nan istwa sou ti pye pikan k ap boule a, lè l te rele Jewova ‘Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb’ la. Li pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan, paske pou li, yo tout vivan.” — Lik 20:​37, 38. w24.06 3 § 6-7.

Madi 3 mas

Jewova se fòs mwen, li se boukliye m. — Sòm 28:7.

Zadòk t al Ebwon. Li te mache ak zam li e l te pare pou l batay (1 Kwo. 12:38). Li te dispoze al nan lagè ansanm ak David pou l defann Izrayèl kont ènmi l yo. Petèt Zadòk pa t gen anpil eksperyans antanke sòlda, men l te gen anpil kran. Ki jan yon prèt tankou Zadòk te fè vin gen tout kran sa a? Li te konn anpil gason vanyan ki te gen kran. Pa gen dout, egzanp mesye sa yo te ede l. David, pa egzanp, se te yon moun ki te gen kran ki te “konn alatèt pèp Izrayèl la lè li t apral nan lagè”, e sa te pouse tout pèp la soutni l ak tout kè yo (1 Kwo. 11:​1, 2). David te toujou konte sou Jewova pou l jwenn èd pou l konbat ènmi l yo (Sòm 138:3). Zadòk te aprann nan egzanp yon seri lòt mesye ki te gen kouraj nan epòk li a, tankou Jewoyada ak Benaya, pitit gason Jewoyada, ki te nan lame, san wete 22 lòt chèf tribi ki te ansanm ak David. — 1 Kwo. 11:​22-25; 12:​26-28. w24.07 3 § 5-6.

Mèkredi 4 mas

Se bonte Bondye gen lakay li ki fè li vle w repanti. — Wom. 2:4.

Sòl, moun Tas, te konn pèsekite disip Kris yo avèk raj. Pifò kretyen te wè l kòm yon ka pèdi, yo te wè pa t gen espwa pou l ta repanti ditou. Men, Jezi te wè Sòl te ka chanje e l te ka repanti. Li menm ak Papa l te wè Sòl gen bèl kalite lakay li. Jezi te di: “Mesye sa a se yon enstriman mwen chwazi.” (Tra. 9:15). Jezi te menm fè yon mirak pou l ede Sòl repanti (Tra. 7:58–8:3; 9:​1-9, 17-20). Apre Sòl, pi devan yo te vin rele l apot Pòl, te vin kretyen, byen souvan, li te fè konnen jan li apresye fason Bondye te montre bonte ak mizèrikòd pou li (1 Tim. 1:​12-15). Ki sa Pòl te fè lè l te aprann gen yon pwoblèm imoralite nan kongregasyon Korent lan ki te fè anpil eskandal? Li te jere pwoblèm nan yon fason ki montre nou anpil bagay sou fason Jewova disipline sèvitè l yo avèk lanmou ak mizèrikòd. w24.08 13 § 15-16.

Jedi 5 mas

Men pou ki sa Pitit Bondye a te parèt aklè: pou l kraze travay Dyab la. — 1 Jan 3:8.

Tank syèk yo t ap pase, Jewova te fè konnen ki jan lèzòm ka vin pwòch avè l. Abèl, dezyèm pitit Adan ak Èv, se premye moun ki te mete lafwa nan Jewova apre sa k te pase nan jaden Edenn nan. Kòm Abèl te renmen Jewova e li t ap chèche fè l plezi epi vin pi pwòch avè l, li te ofri Jewova yon sakrifis. Abèl te yon gadò mouton, donk, li te pran kèk nan ti mouton l te genyen yo e li te touye yo. Li te ofri Jewova yo. Ki jan Jewova te wè sa? Li “te aksepte Abèl ak ofrann li an”. (Jen. 4:4.) Jewova te pran plezi nan sakrifis yon seri lòt moun ki te renmen l e ki te fè l konfyans, tankou Noye (Jen. 8:​20, 21). Lefètke Jewova te aksepte sakrifis sa yo, li te montre lèzòm kapab jwenn favè l e yo kapab vin pwòch avè l. w24.08 3 § 5-6.

Vandredi 6 mas

Mwen te prèske kite bon chemen an, pye m te prèske glise. — Sòm 73:2.

Lè yo fè n enjistis, sa ka fè n mal anpil e sa ka ban n pwoblèm (Ekl. 7:7). Gen kèk sèvitè fidèl Jewova, tankou Jòb ak Abakouk, ki te santi yo konsa (Jòb 6:​2, 3; Aba. 1:​1-3). Li nòmal pou n santi n konsa, men n bezwen veye pou n pa mal aji pou n pa fè sitiyasyon an vin pi mal toujou. Lè moun ki mal aji sanble pa jwenn pinisyon, nou ka ap mande tèt nou èske sa vrèman itil pou n fè sa ki dwat. Ann wè sa youn nan moun ki te ekri sòm yo te di lè l te wè mechan yo t ap eksplwate moun ki jis yo e sanble zafè yo t ap byen mache. Men sa l te di: “Moun sa yo mechan, tout bagay toujou fasil pou yo.” (Sòm 73:12). Li te tèlman kontrarye akoz enjistis li te wè k ap fèt, li te panse sa pa itil anyen pou l sèvi Jewova. Men sa l te di: “Lè m te chèche konprann bagay sa a, sa te ban m anpil pwoblèm.” — Sòm 73:​14, 16. w24.11 3 § 5-7.

Samdi 7 mas

Onore Jewova, nou menm fanmi ki nan pèp yo, onore Jewova pou glwa li ak fòs li. — Sòm 96:7.

Nou bay Jewova glwa paske n gen gwo respè pou li. Nou gen anpil rezon pou n respekte Jewova. Jewova toupisan, pisans li pa gen limit (Sòm 96:​4-7). Pakèt sajès li genyen parèt aklè nan bagay li kreye yo. Se li ki ban n lavi ak tout sa n bezwen pou n viv (Rev. 4:11). Li fidèl (Rev. 15:4). Li reyisi nan tout sa l fè, e l toujou kenbe pwomès li (Joz. 23:14). Se pou rezon sa a, men sa pwofèt Jeremi te di konsènan Jewova: “Pami tout moun ki gen sajès nan nasyon yo e pami tout wayòm ki genyen yo, pa gen pèsonn tankou w.” (Jer. 10:​6, 7). Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n gen respè pou Papa nou ki nan syèl la. Men, Jewova pa sèlman merite pou n respekte l, li merite pou n renmen l tou. Sa k pi enpòtan an, nou bay Jewova glwa paske nou renmen l anpil. w25.01 3 § 5-6.

Dimanch 8 mas

Retire mechan an nan mitan nou. — 1 Kor. 5:13.

Moun ki opoze ak Bondye ap eseye fè moun wè bon bagay ki gen nan òganizasyon l lan pa bon. Pa egzanp, nan Bib la, nou aprann Jewova vle pou moun k ap adore l yo pwòp nan domèn fizik, pou yo gen bon konduit e pou yo adore l fason li aksepte a. Nenpòt moun k ap pratike sa ki mal e ki pa vle chanje konpòtman, Li mande pou yo retire l nan kongregasyon an (1 Kor. 5:​11, 12; 6:​9, 10). Nou obeyi kòmandman sa a ki nan Bib la. Men, moun ki opoze ak nou yo chèche sèvi ak sa kont nou lè yo akize nou kòmkwa nou se moun ki pa aksepte moun ki pa aji menm jan ak nou, ki renmen jije moun e ki pa gen lanmou. Nou dwe chèche konprann kiyès ki dèyè atak sa yo. Satan Ledyab ap ankouraje moun bay manti sou òganizasyon an. Li se “papa manti”. (Jan 8:44; Jen. 3:​1-5.) Donk, nou ta dwe atann Satan ap sèvi ak ènmi nou yo pou bay manti sou òganizasyon Jewova a. w24.04 10-11 § 13-14.

Lendi 9 mas

Y ap reyalize kanmenm. — Eze. 33:33.

Menm apre gwo tribilasyon an kòmanse, petèt gen moun k ap wè lè “Gran Babilòn nan” detwi k ap sonje Temwen Jewova yo te fè anpil ane ap pale sou sa. Èske gen nan moun ki wè evènman sa yo k ap vin gen lafwa nan Jewova (Rev. 17:5)? Si sa ta rive, sa t ap sanble ak sa k te rive nan peyi Ejip nan epòk Moyiz la. N ap sonje te gen “yon pakèt lòt moun” ki t ale ansanm ak Izrayelit yo lè yo t ap kite peyi Ejip. Petèt kèk nan moun sa yo te vin gen lafwa nan Jewova lè yo te wè sa Moyiz te di anrapò ak dis flewo yo te reyalize (Egz. 12:38). Si yon bagay konsa ta rive apre Gran Babilòn nan fin detwi, èske nou t ap kontrarye poutèt gen moun ki vin sèvi Jewova ansanm avè n yon ti tan anvan lafen an rive? Non! Nou vle gen menm pèsonalite ak Papa nou ki nan syèl la, “yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite”. — Egz. 34:6. w24.05 11 § 12-13.

Madi 10 mas

Kontinye kenbe modèl pawòl ki pwofitab [...] yo. — 2 Tim. 1:13.

Ki sa k ka rive si nou sispann baze kwayans nou sou “modèl pawòl ki pwofitab” yo? Ann pran yon egzanp. Nan premye syèk la, sanble te gen yon rimè ki te vin gaye pami yon seri kretyen ki te fè konnen jou Jewova a deja rive. Petèt te gen yon lèt, moun te panse apot Pòl te ekri, ki te di sa. Gen kretyen nan vil Tesalonik ki pa t menm pran tan pou yo verifye sa yo te tande a ki te kwè nan rimè a e ki te menm gaye l. Yo pa t ap pran nan rimè sa a si yo te sonje sa Pòl te anseye yo lè l te ansanm avè yo toujou (2 Tes. 2:​1-5). Pòl te bay frè l ak sè l yo konsèy pou yo pa t kwè tout sa yo tande. E pou Pòl te ede kretyen nan vil Tesalonik yo pi devan, men ki jan l te fini dezyèm lèt li te voye ba yo a: “Men salitasyon pa m, mwen menm Pòl, mwen ekri ak pwòp men m. Sa a se yon siy nan chak lèt, se konsa mwen ekri.” — 2 Tes. 3:17. w24.07 12 § 13-14.

Mèkredi 11 mas

Nou bezwen gen andirans. — Ebre 10:36.

Kretyen ebre yo t ap bezwen andire eprèv lafwa yo te jwenn tank sitiyasyon ki te gen nan Jide yo t ap vin pi mal. Byenke kèk kretyen ebre te jwenn gwo pèsekisyon, anpil nan yo te vin kretyen nan yon moman ki te plizoumwen gen lapè. Pòl te fè konnen, menm lè lafwa yo te pase anba gwo eprèv, yo pa t soufri menm jan ak Jezi, sa vle di nan pwen pou yo mouri (Ebre 12:4). Sepandan, lefètke te gen anpil Juif ki te vin kretyen, Juif ki te opoze yo te vin fache anpil e yo te vin vyolan. Kèk ane anvan sa, te gen plis pase 40 Juif ki te “sèmante sou tèt yo, yo di yo pa gendwa ni manje ni bwè, toutotan yo pa touye Pòl”. (Tra. 22:22; 23:​12-14.) Menm lè yo te rayi kretyen yo e yo te pèsekite yo, kretyen yo te bezwen kontinye reyini pou yo adore Jewova, yo te bezwen kontinye preche bon nouvèl la epi kontinye fè lafwa yo vin djanm. w24.09 12 § 15.

Jedi 12 mas

[Jezi] di manman l: “Gade! Men pitit gason w!” — Jan 19:26.

Jan te bon zanmi Jezi Kris e se te youn nan apot li yo (Mat. 10:2). Jan te pase anpil tan ak Jezi ap preche e l te wè mirak Jezi te fè yo. Li te ret fidèl ak Jezi nan moman difisil yo. Li te wè lè yo t ap touye Jezi e l te wè l apre l fin resisite. Epitou, li te wè kongregasyon kretyen an ki t ap vin gen plis moun chak jou. Jan te viv ase tan pou l te wè “yo preche [bon nouvèl la] tout kote anba syèl la”. (Kol. 1:23.) Lè Jan te vin granmoun anpil, li te gen privilèj pou l ekri liv Revelasyon an, yon liv ki vrèman estrawòdinè (Rev. 1:1). Se Jan ki te ekri Evanjil ki pote non l lan. Epitou, li te ekri twa lòt lèt. Li te ekri twazyèm lèt la voye bay Gayis, yon kretyen fidèl li te konsidere kòm yon pitit li renmen anpil (3 Jan 1). Pawòl granmoun fidèl sa a te ekri yo ankouraje tout disip Jezi yo jis kounye a. w24.11 12 § 15-16.

Vandredi 13 mas

Nou menm mari, [...] se pou nou onore yo. — 1 Pyè 3:7.

Yon mari ki renmen madanm li ba l valè e li ancheri l. Li konsidere madanm li kòm yon kado ki gen anpil valè Jewova ba li (Pwo. 18:22; 31:10). Se sa k fè l aji avè l avèk jantiyès ak respè, menm nan moman ki pi entim nan maryaj yo. Li pap fòse l fè yon seri aksyon nan domèn seksyèl ki fè l santi l pa alèz, ki fè l santi se abize mari l ap abize l, oswa ki twouble konsyans li. Mari a dwe kontinye fè efò tou pou l gen yon konsyans ki pwòp devan Jewova (Tra. 24:16). Nou menm mari, nou kapab sèten Jewova wè efò n ap fè pou n onore madanm nou nan tout sa n ap di ak nan tout sa n ap fè e li apresye sa. Se pou n pran detèminasyon pou n onore madanm nou lè n evite nenpòt konduit ki t ap montre nou pa onore l, lè n fè efò pou n janti avè l, pou n montre respè pou li, e pou n montre nou gen afeksyon pou li. Lè n fè sa, nou montre madanm nou nou renmen l e nou ba l valè. Onore madanm ou, konsa w ap pwoteje relasyon ki pi enpòtan pou ou a, sa vle di relasyon w ak Jewova. — Sòm 25:14. w25.01 13 § 17-18.

Samdi 14 mas

Kris te bay tèt li pou nou pou l ka delivre nou [...] e pou l ka pirifye yon pèp pou li menm, yon pèp ki rele l pa l, ki zele pou l fè bèl travay. — Tit 2:14.

Youn nan bagay ki montre diferans ki genyen ant sèvitè Jewova yo ak lòt moun ki di yo se kretyen se lefètke nou preche e n chofe nan travay predikasyon an. Ki sa k ka ede n vin pi chofe toujou nan travay predikasyon an? Nou ka aprann fason pou n vin chofe nan travay predikasyon an lè n egzamine egzanp Jezi. Lè Jezi te sou tè a, li pa t janm sispann fè efò pou l preche lòt moun. Anfèt, plis tan t ap pase, li te ogmante aktivite l. Menm jan moun ki t ap pran swen jaden rezen an te pase twazan ap pran swen yon pye fig frans ki pa t bay okenn fwi, Jezi te pase anviwon twazan ap preche Juif yo, e pifò ladan yo pa t enterese nan mesaj li a. Sepandan, menm jan moun ki t ap pran swen jaden rezen an te kontinye gen espwa pye fig frans la t ap bay fwi, se konsa tou Jezi pa t dekouraje ak moun yo oswa ralanti nan travay predikasyon an (Lik 13:​6-9). Lè n aprann sa Jezi te anseye e nou suiv egzanp li, sa ap ede n kontinye chofe nan travay predikasyon an jodi a. w25.03 14-15 § 1-4.

Dimanch 15 mas

Moun ki gen lespri a aji ann amoni ak konesans. — Pwo. 13:16.

Ki sa w ka fè si w panse yon moun ka vin yon bon mari pou ou? Èske w ta dwe kouri di moun nan ou enterese nan li? Bib la fè konnen yon moun ki gen sajès chèche gen konesans anvan l aji. Donk, ou t ap montre w gen sajès si w suiv moun nan pandan yon ti tan, san l pa konnen, anvan w di l ou enterese nan li. Ki jan w ka suiv moun nan san l pa konnen? Nan reyinyon yo oswa nan moman detant, ou ka remake kèk bagay k ap ede w wè si moun nan gen bon relasyon ak Jewova, ou ka wè pèsonalite l ak fason l aji. Epitou, kiyès ki zanmi l, e sou ki sa l renmen pale (Lik 6:45)? Èske l gen menm objektif avè w? Ou ka pale ak ansyen nan kongregasyon l oswa ak lòt kretyen ki gen matirite ki konnen l byen (Pwo. 20:18). Ou ka mande yo ki repitasyon moun sa a genyen e ki kalite l genyen (Rit 2:11). Toutpandan w ap suiv moun sa a, fè atansyon pou w pa fè l santi l malalèz. Respekte santiman l, respekte vi prive l, e pa kole sou li. w24.05 22 § 7-8.

Lendi 16 mas

Finalman, mwen te fè w konnen peche m te fè a. — Sòm 32:5.

Ansyen yo pa kouri panse yon moun ki fè peche pap repanti. Se vre gen kèk moun ki repanti depi nan premye reyinyon komite a fè ak yo a, men gen lòt moun ki gendwa bezwen plis tan. Se sa k fè, ansyen yo kapab pran dispozisyon pou yo reyini plizyè fwa ak moun ki fè peche a. Petèt apre premye reyinyon an, kretyen ki te fè peche a kapab kòmanse reflechi toutbon sou sa ansyen yo te di l la. Avèk imilite, li ka priye Jewova (Sòm 38:18). Konsa, nan yon lòt reyinyon, moun ki peche a gendwa gen yon etadespri ki diferan parapò ak etadespri li te genyen nan premye reyinyon an. Pou ansyen yo ede moun ki peche a repanti, yo mete yo nan plas li e yo aji avè l avèk bonte. Yo priye Jewova pou l beni efò yo fè e yo espere kretyen ki te vire do bay Jewova a ka retounen nan bonsans li e l ka repanti. — 2 Tim. 2:​25, 26. w24.08 22-23 § 12-13.

Madi 17 mas

“Mwen pa pran plezi nan lanmò pèsonn.” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. “Kidonk, se pou nou sispann fè sa ki mal pou nou ka sove lavi nou.” — Eze. 18:32.

Jewova pa vle pèsonn moun detwi! Li vle pou moun ki peche yo rekonsilye avè l (2 Kor. 5:20). Se rezon sa a ki fè, nan tout listwa, Jewova toujou ap ankouraje pèp li a ki vire do ba li ansanm ak moun ki rebele kont li yo pou yo repanti e pou yo retounen vin jwenn li. Ansyen nan kongregasyon yo gen privilèj pou yo travay ansanm ak Jewova toutpandan y ap fè tout sa yo kapab pou yo ede moun ki peche yo repanti (Wom. 2:4; 1 Kor. 3:9). Imajine lajwa ki gen nan syèl la lè moun ki peche yo repanti! Jewova, Papa nou ki nan syèl la, kontan anpil chak fwa youn nan mouton l yo ki te pèdi retounen nan kongregasyon an. Lè nou medite sou konpasyon Jewova gen lakay li, sou mizèrikòd li ak sou favè san parèy li fè nou, sa fè nou vin renmen l plis toujou. — Lik 1:78. w24.08 31 § 16-17.

Mèkredi 18 mas

Kòm Jezi te konnen yo t apral vin met men sou li pou yo fè l wa, li wete kò l, l al sou mòn nan ankò poukont li. — Jan 6:15.

Si Jezi te kite moun yo fè l vin wa, li t ap mele nan politik, li t ap pran pou Juif yo ki te anba dominasyon Women yo. ‘Jezi t al sou mòn nan poukont li.’ Donk, malgre yo t ap bay Jezi presyon, li pa t mele nan politik. Se yon gwo leson pou nou! Natirèlman, moun pap mande nou fè mirak pou n fè gen anpil pen oswa pou n geri malad, ni yo pap chèche fè n vin wa oswa chèf yo. Men, yo ka fè presyon sou nou pou n mele nan politik, pa egzanp pou n vote pou yon moun yo panse k ap fè bagay yo vin pi bon oswa pou n soutni moun sa a. Sepandan, egzanp Jezi a klè. Li te refize mele nan politik, e annapre li te menm di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” (Jan 17:14; 18:36). Jodi a, antanke kretyen, nou bezwen panse menm jan ak Jezi e nou bezwen suiv egzanp li. Nou soutni Wayòm Bondye a, nou fè lòt moun konnen Wayòm sa a e nou priye pou l vini. — Mat. 6:10. w24.12 4 § 5-6.

Jedi 19 mas

Moun ki konnen kòmandman m yo e ki obeyi yo, se li ki renmen m. E moun sa a ki renmen m nan, Papa m ap renmen l, e mwen menm, m ap renmen l e m ap montre l aklè kiyès mwen ye. — Jan 14:21.

Pandan w ap etidye, chèche fason pou w aplike sa w ap aprann yo. Pa egzanp, imite jistis Jewova gen lakay li lè w aji avèk lòt moun san patipri. Imite lanmou Jezi gen pou Papa l ak pou lòt moun lè w dispoze soufri pou non Jewova e lè w fè sakrifis pou w ede kretyen parèy ou. Epitou, imite Jezi lè w preche lòt moun pou yo ka jwenn posiblite tou pou yo aksepte gwo kado Jewova bay la. Plis nou konprann ranson an e nou gen rekonesans pou li, se plis n ap renmen Jewova ak Pitit Gason l lan. E yo menm, y ap renmen nou plis toujou (Jak 4:8). Kidonk, ann kontinye byen sèvi ak tout sa Jewova ban nou pou n kontinye aprann konsènan ranson an. w25.01 25 § 16-17.

Vandredi 20 mas

Ou voye tout peche m yo jete dèyè do w. — Eza. 38:17.

Men ki lòt fason yo te ka tradui tèks pou jounen an: “Ou retire tout peche m devan je w”. Sa l di a montre Jewova pran peche moun ki repanti yo e li voye yo jete byen lwen. Deklarasyon sa a kapab vle di tou: “Ou fè kòmsi m pa t peche.” Labib sèvi ak yon lòt egzanp pou l ede n pi byen konprann fason Jewova padone, jan nou ka wè sa nan Miche 7:​18, 19. Vèsè sa yo montre se kòmsi Jewova voye peche nou yo nan fon lanmè. Nan epòk yo t ap ekri Bib la, lè yon moun te gen yon bagay ki tonbe nan fon lanmè, pa t gen okenn fason pou l te rejwenn li. Konparezon sa yo aprann nou, lè Jewova padone nou, li soulaje nou anba peche nou yo ki tankou chay lou. Vrèmanvre, tankou David te di: “Byennere moun yo padone move aksyon yo fè, moun yo kouvri peche yo.” (Wom. 4:7). Se sa padone toutbon vle di! w25.02 9 § 7-8.

Samdi 21 mas

Se pou nou rejwi e se pou kè nou kontan pou toutan pou sa m ap kreye yo. — Eza. 65:18.

Jodi a, gen yon paradi senbolik sou tè a ki chaje ak moun e ki gen yon pakèt aktivite k ap fèt ladan l. Paradi sa a gen plizyè milyon moun ki gen vrè lapè a k ap viv ladan l. Moun ki deja nan paradi sa a pran detèminasyon pou yo pa janm kite l. Epitou, yo vle pou pi plis moun posib vin jwenn yo nan anviwònman sa a ki san parèy. Ki sa anviwònman sa a ye? Se paradi espirityèl la! Se yon bagay estrawòdinè lefètke Jewova kreye yon anviwònman kote ki gen lapè nan mitan yon monn Satan fè vin tounen yon kote ki chaje lahèn, mechanste ak danje (1 Jan 5:19; Rev. 12:12). Bondye nou an ki gen lanmou wè tout dega sistèm sa a fè sou moun e li ban nou sekirite nou bezwen pou n ka kontinye sèvi l ak kè kontan. Pawòl li a fè konnen paradi espirityèl la tankou yon kote “pou moun jwenn refij” e l tankou “yon jaden ki byen wouze”. (Eza. 4:6; 58:11.) Lefètke Jewova beni moun ki abite nan paradi sa a, yo rive gen kè kontan ak sekirite nan dènye jou sa yo ki difisil. — Eza. 54:14; 2 Tim. 3:1. w24.04 20 § 1-2.

Dimanch 22 mas

Fè Bondye konnen demann nou yo. — Flp. 4:6.

Se sèten, si w ta renmen jwenn yon moun pou w marye, ou deja priye Jewova sou sa. Nòmalman, Jewova pa pwomèt pèsonn l ap fè l jwenn yon moun pou l marye. Men, bezwen w ak santiman w enpòtan pou li, e li kapab ede w pandan w ap chèche jwenn yon moun pou w marye. Donk, kontinye fè Jewova konnen sa w ta renmen ak sa w santi (Sòm 62:8). Priye l pou w gen pasyans ak sajès (Jak 1:5). Menmsi w poko jwenn yon moun ki ta ka vin mari w, Jewova pwomèt l ap kontinye pran swen w e l ap fè w jwenn lanmou ak atansyon w bezwen (Sòm 55:22). Sepandan, men yon bagay ou bezwen veye: Pa kite chèche jwenn yon moun pou w marye vin bagay ki pi enpòtan nan lavi w (Flp. 1:10). Vrè kè kontan an pa depann de si w marye oswa si w pa marye, men, li depann de relasyon w gen ak Jewova (Mat. 5:3). E pandan w selibatè a, ou kapab jwenn plis tan pou w patisipe nan travay fè disip la (1 Kor. 7:​32, 33). Byen sèvi ak tan sa a. w24.05 21 § 4; 22 § 6.

Lendi 23 mas

Pa chèche enterè pa nou sèlman, men […] chèche enterè pa lòt moun tou. — Flp. 2:4.

Konbyen tan nou dwe fè renmen? Lè moun pran desizyon twò rapid, souvan sa gen move konsekans (Pwo. 21:5). Donk, lè w renmen ou bezwen pran tan pou w chèche byen konnen moun nan. Sepandan, ou pa ta dwe fè yon pakèt tan renmen si sa pa nesesè. Bib la di: “Lè yon moun ap tann yon bagay e sa pa rive lè l t ap tann li an, sa fè l pèdi espwa.” (Pwo. 13:12). Ki jan lòt moun ka ede de moun ki renmen? Nou ka envite yo manje avè n, nou ka envite yo lè n ap fè adorasyon an fanmi, oswa nan yon ti detant (Wom. 12:13). Èske yo bezwen yon moun ansanm ak yo pou yo pa poukont yo? Èske yo bezwen yon woulib? Oubyen, èske yo bezwen yon kote pou yo pale san moun pa tande sa y ap di? Si se sa, èske w ka ede yo (Gal. 6:10)? Si de moun ki renmen mande w akonpaye yo pou yo pa poukont yo, konsidere sa kòm yon privilèj. Veye pou w pa kite de moun yo poukont yo nèt, men anmenmtan tou, chèche konprann lè yo bezwen pale san moun pa tande sa y ap di. w24.05 30 § 13-14.

Madi 24 mas

Mwen ba l tan pou l repanti. — Rev. 2:21.

Ansyen yo chèche wè ki sa ki te lakòz moun nan tonbe nan peche. Pa egzanp, èske kretyen sa a te vin fèb tikras pa tikras akoz li te neglije fè etid pèsonèl oswa li te neglije travay predikasyon an? Èske l te sispann priye Jewova oswa li te priye pa woutin? Èske se kite l kite move dezi mennen l nan peche? Èske se move chwa li te fè nan kesyon zanmi oswa nan kesyon detant? Ki efè desizyon l te pran yo genyen sou fason l panse ak sou anvi li genyen yo? Èske l rekonèt desizyon l te pran yo ak fason l te aji yo gen efè sou Jewova, Papa l? Lè ansyen yo poze kesyon ki fè sans, san yo pa antre nan detay ki pa nesesè, ansyen yo ap ede moun nan reflechi sou bagay ki te fè l vin fèb nan relasyon l gen ak Jewova a e ki te lakòz li tonbe nan peche (Pwo. 20:5). Mete sou sa, yo ka sèvi ak egzanp pou yo ede moun nan rezone e pou yo ede l wè nan ki pwen l te mal aji. Petèt pandan premye reyinyon an, moun nan ka santi l tris anpil paske l te aji fason l te aji a. Li ka menm repanti. w24.08 22 § 9-11.

Mèkredi 25 mas

Mwen dwe al anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m. — Lik 4:43.

Jezi te chofe pou l preche “bon nouvèl Wayòm” nan paske l te konnen se travay sa a Bondye te vle l fè. Jezi te bay travay predikasyon an premye plas nan lavi l. Menm nan fen sèvis li sou tè a, li te vwayaje “sot nan yon vil al nan yon lòt vil, sot nan yon bouk al nan yon lòt” pou l te anseye lòt moun (Lik 13:22). Epitou, li te bay lòt disip fòmasyon pou yo preche menm jan avè l (Lik 10:1). Jodi a tou, preche bon nouvèl la se travay ki pi enpòtan Jewova ak Jezi vle nou fè (Mat. 24:14; 28:​19, 20). Nou ka vin pi chofe nan travay predikasyon an lè n wè moun yo jan Jewova wè yo. Li vle pou pi plis moun posib tande bon nouvèl la e pou yo aprann laverite (1 Tim. 2:​3, 4). Se sa k fè li ban nou fòmasyon pou n ka vin pi maton nan pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Menmsi moun yo pa byen reyaji kounye a, yo ka gen posiblite pou yo fè sa anvan gwo tribilasyon an fini. w25.03 15-16 § 5-7.

Jedi 26 mas

Yon moun ki salye l patisipe nan move aksyon l yo. — 2 Jan 11.

Chak kretyen bezwen sèvi ak konsyans li ki fòme grasa Bib la pou l deside ki jan l ap aji ak yon moun yo retire nan kongregasyon an. Gen moun ki gendwa santi yo alèz pou yo salye moun sa a oswa pou yo swete l byenvini nan reyinyon an. Sepandan, nou pa dwe gen yon konvèsasyon ki long ansanm ak moun nan oswa pase tan avèk li nan lòt okazyon. Kèk moun gendwa ap mande tèt yo: ‘Èske Bib la pa di yon kretyen ki salye yon moun konsa patisipe nan move aksyon l yo?’ (2 Jan 9-11). Nan kontèks la, apot la te bay konsèy sa a konsènan aposta yo ak lòt moun k ap ankouraje moun gen move konduit (Rev. 2:20). Se sa k fè, si yon moun ap fè pwomosyon pou ansèyman aposta oswa l ap ankouraje moun fè move bagay, ansyen yo pap pran dispozisyon pou yo vizite l. Natirèlman, li posib pou yon moun konsa repanti. Annatandan, nou pap ni salye yon moun konsa ni envite l asiste yon reyinyon kongregasyon an. w24.08 30-31 § 14-15.

Vandredi 27 mas

Yo pa t ka konprann. — Mak 6:52.

Apre Jezi te fin bay yon foul moun manje, li menm ak apot li yo te kite zòn nan pou yo retounen Kapènawòm nan bato e li t al nan mòn nan pou foul moun ki t ap chèche fè l vin wa a pa t jwenn li (Jan 6:​16-20). Pandan apot yo te sou lanmè, te vin gen yon tanpèt e te vin gen gwo van ak gwo vag. Epi, Jezi t ap vin jwenn yo, li t ap mache sou dlo a. Li te mande apot Pyè pou l mache sou dlo a tou (Mat. 14:​22-31). Kou Jezi ak Pyè te monte nan bato a, van an te kalme. Disip yo te sezi e yo te di: “Vrèmanvre, ou se Pitit Bondye.” (Mat. 14:33). Sepandan, se pa apre Jezi te fin fè mirak pou l bay foul moun yo pen disip yo te di sa, men se apre l te fin mache sou dlo a. Men sa Mak ajoute: “[Apot] yo te sezi anpil, paske yo pa t rive konprann sans mirak li te fè lè li te distribye pen yo.” (Mak 6:​50-52). Vrèmanvre, yo pa t rive konprann tout pouvwa Jewova te bay Jezi pou l fè mirak. w24.12 5 § 7.

Samdi 28 mas

[Bondye] vle pou tout kalite moun sove e [li] vle yo gen yon konesans egzak sou laverite. — 1 Tim. 2:4.

Nou kapab montre nou gen rekonesans pou lanmou Jewova gen pou nou lè n fè tout sa n kapab nan epòk Memoryal la pou n montre Jewova nou gen anpil rekonesans pou ranson an. Nonsèlman n ap fè efò pou n la nan Memoryal la, nou ka envite lòt moun tou. Esplike moun ou envite yo sa k pral gen nan Memoryal la. L ap bon pou w montre yo videyo Poukisa Jezi te mouri? ak videyo Sonje lanmò Jezi ki sou jw.org. Ansyen yo bezwen sonje envite inaktif yo. Imajine kè kontan k ap gen nan syèl la ak sou tè a si kèk nan ti mouton Jewova yo ki te pèdi retounen nan twoupo l la grasa ankourajman yo jwenn (Lik 15:​4-7)! Pandan Memoryal la, ann pran detèminasyon nonsèlman pou n akeyi youn lòt, men sitou, moun ki vin asiste Memoryal la pou premye fwa oswa moun ki gen lontan depi yo pa asiste l. Nou vle fè yo santi nou kontan yo vini! — Wom. 12:13. w25.01 29 § 15.

Dimanch 29 mas

Bondye, [...] te renmen nou e [li] te voye Pitit li a kòm yon sakrifis pou peche nou. — 1 Jan 4:10.

Byenke ranson an ede n konprann Jewova se yon Bondye ki gen jistis, li sitou ede n konprann jan li gen anpil lanmou (Jan 3:16; 1 Jan 4:​9, 10). Ranson an ede n konprann nonsèlman Jewova vle nou viv pou toutan, men tou, li vle n fè pati fanmi l. Fè yon ti reflechi: Lè Adan te peche, Jewova te mete l deyò nan fanmi L. Se sa k fè nou pa tou fè pati fanmi Bondye lè nou fèt. Men, sou baz ranson an, Jewova padone peche nou, e tout moun ki montre yo gen lafwa e ki obeyi l kapab vin fè pati fanmi l yon jou. Menm kounye a, nou kapab gen yon bon relasyon ak Jewova ansanm ak moun k ap adore l menm jan avè n yo. Vrèmanvre, Jewova renmen n anpil! — Wom. 5:​10, 11. w25.01 21 § 6.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 9 Nizan) Jan 12:​12-19; Mak 11:​1-11

Lendi 30 mas

Lanmou Bondye te parèt aklè. — 1 Jan 4:9.

Se sèten w ap dakò ranson an se yon kado ki gen anpil valè (2 Kor. 9:15)! Lefètke Jezi te bay lavi l kòm sakrifis, ou kapab gen yon bon relasyon ak Jewova Dye. Epitou, ou kapab gen posiblite viv pou toutan. Nou gen anpil rezon pou n montre nou gen Jewova rekonesans pou ranson an li te bay paske l renmen nou (Wom. 5:8)! Jezi te tabli Memoryal lanmò li pou n selebre chak ane pou ede n kontinye gen rekonesans e pou n pa janm bliye sa Jewova avè l te fè pou nou (Lik 22:​19, 20). Ane sa a, n ap selebre Memoryal la jedi 2 avril 2026. Se sèten nou tout ap fè efò pou n asiste l. N ap jwenn anpil byenfè si n pran tan pandan epòk Memoryal la pou n medite sou sa Jewova ak Pitit Gason l lan fè pou nou. w25.01 20 § 1-2.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 10 Nizan) Jan 12:​20-50

Madi 31 mas

Aksepte disiplin mwen olye nou aksepte ajan, e chwazi konesans nan plas pi bon kalite lò a. — Pwo. 8:10.

Nou ka kontinye aprann jan Jewova Dye ak Kris Jezi renmen nou si nou kontinye medite sou sa yo fè pou nou. Petèt, ane sa a, nan epòk Memoryal la, ou kapab byen li youn oswa plizyè nan Evanjil yo. Pa eseye li twòp chapit yon sèl kou. Okontrè, pran san w, epi chèche lòt rezon ki fè nou dwe renmen Jewova ak Jezi. Si w gen anpil ane nan laverite, ou ka ap mande tèt ou si gen nouvo bagay nou ka aprann sou jistis Bondye, sou lanmou l e sou ranson an. An reyalite, pa gen limit nan sa nou ka aprann sou sijè sa yo ak lòt sijè ankò. Donk, byen sèvi ak tout enfòmasyon ou ka jwenn nan piblikasyon nou yo. w25.01 24-25 § 13-15.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 11 Nizan) Lik 21:​1-36

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje