Avril
Mèkredi 1ye avril
Paske, volonte Papa a se pou tout moun ki rekonèt Pitit la e ki demontre yo gen lafwa nan li gen lavi ki pap janm fini an. — Jan 6:40.
Pou n jwenn benediksyon grasa chè ak san Jezi, nou bezwen montre nou gen lafwa nan ranson an (Efe. 1:7). Moun Jezi te rele “lòt mouton” yo pa manje nan pen an e yo pa bwè nan diven an pandan Soupe Seyè a ki fèt chak ane, e yo pa dwe fè sa (Jan 10:16). Sepandan, yo patisipe nan chè ak san Jezi Kris. Yo fè sa, lè yo montre yo gen lafwa nan sakrifis ranson Jezi a ak bèl bagay sakrifis sa a pral fè yo jwenn (Jan 6:53). Yon lòt bò, moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an se yo menm ki fè pati nouvo alyans lan, yo gen pou y al dirije nan Wayòm nan nan syèl la. Donk, kit nou fè pati moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, kit nou fè pati lòt mouton yo, nou tout dwe montre nou gen lafwa nan ranson an pou n ka gen lavi ki pap janm fini an. w24.12 13 § 14, 16.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 12 Nizan) Matye 26:1-5, 14-16; Lik 22:1-6
DAT MEMORYAL LA
Sa ki te pase apre solèy fin kouche
Jedi 2 avril
Nou pa bezwen pè, nou menm ti twoupo a, paske Papa nou twouve li bon pou li ban nou Wayòm nan. — Lik 12:32.
Pandan Soupe Seyè a, Jezi te bay apot li yo pen ki pa t gen ledven e l te di yo pen sa a reprezante kò l. Apre sa, li te ba yo diven an e li te di diven an reprezante “san alyans lan”. (Mak 14:22-25; Lik 22:20; 1 Kor. 11:24.) Li rele l “nouvo alyans”, e se sèlman moun ki pral dirije ansanm avè l “nan Wayòm Bondye a” ki nan alyans sa a (Ebre 8:6, 10; 9:15). Pandan Soupe Seyè a, Jezi te konsantre sou “ti twoupo” a. Apot fidèl li yo, ki te ansanm avè l lè sa a, se te premye moun ki fè pati ti gwoup sa a. Se yo menm ki pral resevwa yon plas nan syèl la pou yo ansanm ak Jezi. w24.12 11 § 9-10.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 13 Nizan) Matye 26:17-19; Mak 14:12-16; Lik 22:7-13 (Sa ki te pase apre solèy fin kouche: 14 Nizan) Jan 13:1-5; 14:1-3
Vandredi 3 avril
Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an. — Jan 3:16.
Yo te trayi Jezi, yo te arete l, yo te joure l, yo te fè manti sou li, yo te kondane l e yo te maspinen l. Sòlda yo te mennen l kote yo t apral touye l la e yo te kloure l sou yon poto. Jezi te andire tout soufrans sa yo fidèlman. Men, te gen yon moun ki te soufri plis toujou. Se te Jewova Dye. Li pa t sèvi avèk pisans li ki san limit pou l te anpeche sa fèt. Poukisa? Se paske Jewova renmen nou. Sakrifis Jezi a se pi gwo prèv ki montre jan Jewova renmen w anpil. Li te sakrifye Pitit Gason l li renmen anpil la e l te soufri anpil yon fason moun pa ka imajine pou l te kapab sove w anba peche ak lanmò (1 Jan 4:9, 10). Vrèmanvre, li vle ede nou chak pou nou goumen ak peche e pou nou pote laviktwa! w24.08 6 § 13-14.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 14 Nizan) Jan 19:1-42
Samdi 4 avril
Kris [...] te soufri pou nou. — 1 Pyè 2:21.
Nou kapab pi byen konprann jan Jewova renmen nou lè n reflechi ak tout sa sa te koute l pou l te bay ranson an. Satan fè konnen pa gen okenn sèvitè Bondye k ap ret fidèl ak Bondye lè l jwenn pwoblèm. Pou Jewova te montre sa Satan di a se manti, li te kite Jezi soufri anvan l mouri (Jòb 2:1-5). Pandan Jewova t ap gade, li te wè moun k ap pase Jezi nan rizib, li te wè sòlda k ap bat li, e l te wè yo kloure l sou yon poto. Epitou, Jewova t ap gade jan Pitit Gason l lan li renmen anpil la t ap soufri anvan l mouri (Mat. 27:28-31, 39). Jewova te ka anpeche tout bagay sa yo rive (Mat. 27:42, 43). Sepandan, si Bondye te aji nan moman sa a, pa t ap gen ranson ki peye e nou t ap sanzespwa. Donk, Jewova te kite Pitit Gason l lan andire soufrans jiskaske l rann dènye souf li. w25.01 22 § 7.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 15 Nizan) Matye 27:62-66 (Sa ki te pase apre solèy fin kouche: 16 Nizan) Jan 20:1
Dimanch 5 avril
Yo te wè l pandan 40 jou. — Tra. 1:3.
Nou nan jou 16 Nizan ane 33 epòk nou an. Disip Jezi yo tris e yo pè. De nan yo kite Jerizalèm pou y al Emayis. Gen yon mesye yo pa rekonèt ki vin bò kote yo e k ap mache avèk yo. Disip yo rakonte mesye a tout bagay terib ki te rive Jezi. Mesye a kòmanse pale sou yon seri bagay yo pa t ap janm bliye. Li “kòmanse depi sou liv Moyiz yo ak tout pawòl pwofèt yo te ekri yo”, li esplike poukisa Mesi a te dwe soufri e l te dwe mouri. Lè twa mesye yo rive Emayis, mesye a fè konnen kiyès li ye: li se Jezi ki resisite (Lik 24:13-35)! Jezi te parèt devan disip li yo plizyè fwa pandan 40 dènye jou li te pase sou tè a. Pandan tan sa a, Jezi te ankouraje disip li yo ki te tris e ki te pè, e yo te vin gen kè kontan. Yo te gen kouraj pou yo preche e pou yo anseye bon nouvèl konsènan Wayòm nan. w24.10 12 § 1-3.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Sa ki te pase nan jounen: 16 Nizan) Jan 20:2-18
Lendi 6 avril
Fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil. — Jid 20.
Yon timoun kontinye grandi tank tan ap pase, e sa fèt tou natirèlman. Men, pa gen moun ki ka vin gen matirite nan domèn espirityèl san l pa fè efò. Pa egzanp, frè ak sè nan vil Korent yo te aksepte bon nouvèl la, yo te batize, yo te resevwa lespri sen, e se apot Pòl menm ki te ba yo fòmasyon (Tra. 18:8-11). Men, kèk ane apre yo fin batize, anpil nan yo te toujou pa t gen matirite (1 Kor. 3:2). Pou nou vin gen matirite, toudabò nou dwe vle gen matirite. Moun ki “ret san [yo] pa konn anyen” yo, sa vle di ki pito ret timoun nan domèn espirityèl, pap rive fè pwogrè (Pwo. 1:22). Nou pa vle sanble ak moun ki fin gran, men ki pè pran responsablite yo e ki vle se paran yo ki pou pran desizyon pou yo. Okontrè, nou vle pran responsablite nou lè n fè efò pou relasyon nou ak Jewova kontinye vin pi solid. Si w toujou ap fè efò pou w vin gen matirite, priye Jewova pou l ba w “volonte e [pou l ba w] fòs pou [w] aji”. — Flp. 2:13. w24.04 4 § 9-10.
Madi 7 avril
Jewova [...] pa ta renmen pèsonn moun detwi. — 2 Pyè 3:9.
Jewova ede n konprann jan l santi l lè l ap jije moun (Eze. 33:11). Jewova pap kouri detwi yon moun pou toutan. Li gen anpil mizèrikòd, e li demontre mizèrikòd lè sa posib. Ki sa nou konnen konsènan moun ki pap resisite yo? Bib la bay kèk egzanp sèlman. Jezi te fè konnen Jida Iskaryòt pap resisite. (Mak 14:21; gade Jan 17:12 tou.) Jida te byen konnen se kont Jewova Dye ak Pitit Li a li t ap aji, men l te fè sa kanmenm. (Gade Mak 3:29.) Konsa tou, Jezi te di kèk nan chèf relijye ki te opoze avè l yo pap resisite (Mat. 23:33; gade Jan 19:11). E apot Pòl te fè konnen aposta ki pa repanti yo pap resisite. — Ebre 6:4-8; 10:29. w24.05 4 § 10-11.
Mèkredi 8 avril
Jewova pwoteje moun ki fidèl yo. — Sòm 31:23.
Lè n rete pwòch ak Jewova, pa gen anyen Satan ka fè n ki ka fè nou soufri nètale (1 Jan 3:8). Nan monn nouvo a, Jewova ap kontinye pwoteje zanmi l ki fidèl yo pou anyen pa kraze relasyon yo gen avè l la. Epitou, l ap pwoteje yo pou yo pa mouri (Rev. 21:4). Vrèmanvre, se yon gwo onè pou Jewova envite nou nan tant li. Nou kapab toujou gen bon relasyon avè l (Eze. 37:27). Ki jan n dwe aji si n vle kontinye ret nan tant Jewova a? Si yon moun envite w lakay li, se sèten ou ta renmen konnen sa k fè l plezi. Menm jan an tou, se sèten ou ta renmen konnen sa Jewova vle moun li ta renmen kontinye ret nan tant li an fè. Lanmou nou gen pou Jewova pouse nou fè tout sa n kapab “pou nou fè l plezi nèt”. (Kol. 1:10.) Nou bezwen toujou gen lakrentif pou li, e nou pa dwe janm bliye kiyès li ye. Gwo respè nou gen pou li ap ede n pou n pa aji fason k ap fè l lapenn. Pa gen dout, nou vle kontinye “mache avèk Bondye [nou an] toutpandan [nou] rekonèt limit” nou. — Miche 6:8. w24.06 4 § 8-9.
Jedi 9 avril
Li te plede kòz moun ki peche yo. — Eza. 53:12.
Jewova te mande Abraram ofri Izarak, sèl pitit gason l lan, kòm sakrifis. Sandout, Abraram te santi se bagay ki pi di li t ap gen pou l fè. Sepandan, li te prepare l pou l fè sa Bondye te mande l fè a. Men, nan moman Abraram t apral touye pitit li a, Bondye te anpeche l fè sa. Sepandan, egzanp sa a aprann tout moun ki gen lafwa yo yon gwo verite. Jewova t apral dakò ofri sèl Pitit Gason l lan li renmen anpil la kòm sakrifis. Se nan pwen sa a Jewova renmen lèzòm (Jen. 22:1-18). Plizyè syèk annapre, Lalwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la te mande pou yo fè plizyè sakrifis pou yo jwenn padon pou peche yo (Lev. 4:27-29; 17:11). Sakrifis sa yo te montre Jewova t apral bay yon pi bon sakrifis, yon sakrifis ki t apral sove lèzòm nèt anba peche. Bondye te enspire pwofèt li yo pou yo pale konsènan desandans li te pwomèt la. Yo te fè konnen yon pitit gason Bondye ki espesyal t ap gen pou l soufri e gen moun ki t ap touye l pou l ka sove lèzòm, sa gen ladan l ou menm tou, anba peche ak lanmò. — Eza. 53:1-12. w24.08 4 § 7-8.
Vandredi 10 avril
Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo! Mwen reflechi sou yo tout lajounen. — Sòm 119:97.
Lè w ap fè lekti Labib ou, chèche wè ki jan w ka aplike sa w li a. Pandan w ap li yon pòsyon nan Pawòl Bondye a, mande tèt ou: ‘Ki jan m ka aplike enfòmasyon sa a kounye a oswa annapre?’ Pa egzanp, ann sipoze pòsyon w ap li a gen ladan l 1 Tesalonisyen 5:17, 18. Apre w fin li de vèsè sa yo, ou ka fè yon ti kanpe pou w reflechi sou kantite fwa w priye e jis nan ki pwen ou met tout kè w nan priyè w ap fè yo. Epitou, ou ka reflechi sou yon seri bagay ou gen rekonesans pou yo. Petèt, ou ka deside w ap di Jewova mèsi pou twa bagay byen presi. Si w pran kèk minit sèlman pou w fè sa, w ap vin yon moun ki tande Pawòl Bondye a e ki obeyi l. Reflechi sou byenfè w t ap jwenn si w ta fè sa chak jou ak lòt pòsyon ou li nan Bib la! Si w aplike sa w li nan Bib la chak jou, rive yon lè w ap vin yon pi bon sèvitè Jewova. w24.09 4-5 § 9-10.
Samdi 11 avril
Fè atansyon pou nou pa pèdi bagay nou travay pou nou fè yo, men okontrè, pou nou ka jwenn yon rekonpans total. — 2 Jan 8.
Jewova kreye nou avèk yon kapasite espesyal. Byenke nou kontan lè nou resevwa, nou jwenn plis kè kontan toujou lè nou bay lòt moun. Nou santi nou byen lè nou kapab ede kwayan parèy nou. E nou kontan lè yo montre yo gen rekonesans. Sepandan, kit moun ki resevwa a montre l gen rekonesans, kit li pa montre sa, nou kapab kontan dèske nou fè sa nou te dwe fè. Pa janm bliye, kèlkeswa sa w bay, “Jewova ka ba w plis pase sa lontan”. (2 Kwo. 25:9.) Nou pap janm ka bay plis pase Jewova! E lè se Jewova ki rekonpanse nou, se pi bèl rekonpans nou te ka jwenn. Kidonk, ann pran detèminasyon pou n kontinye imite Papa nou ki nan syèl la ki renmen bay w24.09 31 § 20-21.
Dimanch 12 avril
M ap fè louwanj pou ou ak tout kè m, o Jewova, Bondye m nan, e m ap toujou bay non w glwa. — Sòm 86:12.
Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon (Sòm 103:8,13). Li konn mete l nan plas moun. Lè n ap soufri, sa fè l mal (Zak. 2:8). Antanke yon Zanmi, li kite n pwoche bò kote l byen fasil (Sòm 25:14; Tra. 17:27). Epi, li gen imilite. “Li bese pou l gade syèl la ak tè a, li leve malere a nan pousyè a.” (Sòm 113:6, 7). Ki jan pou yon moun pa ta vle bay gran Dye nou an glwa? Nou bay Jewova glwa paske nou vle lòt moun konnen l. Gen anpil moun ki pa konn laverite sou Jewova. Sa k fè sa? Paske Satan bouche lespri yo lefètke l gaye gwo manti sou Li (2 Kor. 4:4). Satan fè moun yo kwè Jewova se yon Dye ki renmen vanjans, ki pa enterese nan moun, e se li ki responsab anpil nan soufrans ki gen nan monn nan. Men, nou konn laverite sou Bondye nou an! Nou gen okazyon fè lòt moun konnen kiyès Bondye ye toutbonvre epi ede yo pou yo vin ba l glwa tou. — Eza. 43:10. w25.01 3 § 6-7.
Lendi 13 avril
Satan [...] ap twonpe lemonnantye. — Rev. 12:9.
Nan premye syèk la, byenke Jezi, Pitit Bondye a, te pafè e li te fè gwo mirak, Satan te sèvi ak plizyè moun pou gaye anpil manti sou li. Pa egzanp, chèf relijye yo te fè moun yo konnen se grasa “chèf demon yo” Jezi ap chase demon (Mak 3:22). Lè yo t ap jije Jezi, chèf relijye yo te akize l kòmkwa li fè blasfèm e yo t ap pouse foul moun yo mande pou yo touye l (Mat. 27:20). Annapre, pandan disip Kris yo t ap preche bon nouvèl la, moun ki te opoze ak yo te ‘monte tèt moun yo’ pou yo pèsekite kretyen sa yo (Tra. 14:2, 19). Konsènan Travay 14:2, men sa Toudegad 1ye desanm 1998 (fransè) esplike: “Nonsèlman juif ki te opozan yo pa t aksepte mesaj la, men tou yo te bay anpil manti pou yo ka monte tèt moun lòt nasyon yo kont kretyen yo.” Jodi a, li kontinye “ap twonpe lemonnantye”. w24.04 11 § 15-16.
Madi 14 avril
Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis? — Jen. 18:25.
Yon moun pap jwenn lavi ki pa janm fini an selon lè l mouri a. Jewova se Jij ki pafè a, l ap toujou jije avèk jistis (Sòm 33:4, 5). Nou ka gen asirans “Jij tout tè a” ap fè sa ki dwat. Li rezonab tou pou n kwè se pa kote yon moun ap viv k ap fè l gen lavi ki pap janm fini an. Jewova pa t ap janm konsidere plizyè milyon moun kòm “kabrit” paske y ap viv nan peyi kote yo pa t janm jwenn posiblite pou yo tande mesaj Wayòm nan (Mat. 25:46). Jij tout tè a ki gen jistis lakay li gen plis sousi lontan pou moun sa yo pase nou menm. Nou pa konnen ki jan Jewova pral dirije evènman yo pandan gwo tribilasyon an. Petèt kèk nan moun sa yo pral gen posiblite pou yo aprann konn Jewova, pou yo vin gen lafwa nan li e pou yo pran pozisyon pou li lè l pral fè non l vin sen devan tout nasyon yo. — Eze. 38:16. w24.05 12 § 14-15.
Mèkredi 15 avril
Se pou nou youn renmen lòt. — Jan 15:12.
Sèvitè Jewova yo renmen ede youn lòt (2 Kor. 8:4). Men, pafwa, yo bezwen met kran sou yo pou yo fè sa. Pa egzanp, lè gen lagè, ansyen ki nan zòn nan rann yo kont frè ak sè yo bezwen ankourajman, yo bezwen èd, e yo ka bezwen piblikasyon, manje ak rad ak kote pou yo rete. Lefètke ansyen yo renmen frè ak sè yo, yo menm riske lavi yo pou ede yo jwenn sa yo bezwen. Nan moman sa yo li enpòtan pou n kontinye gen tèt ansanm. Nou bezwen suiv enstriksyon frè ki nan filyal peyi nou ye a ban nou (Ebre 13:17). Detanzantan, ansyen yo bezwen egzamine dispozisyon ki pran nan kongregasyon an pou fè preparasyon pou si ta vin gen yon katastwòf e yo bezwen suiv enstriksyon òganizasyon an bay sou sa pou yo fè lè gen yon katastwòf (1 Kor. 14:33, 40). Met kran sou nou, men pran prekosyon (Pwo. 22:3). Reflechi anvan n aji. Pa pran risk ki pa nesesè. Met konfyans nou nan Jewova, l ap montre n fason pou n ede frè ak sè yo san n pa met lavi yo an danje. w24.07 4 § 8; 5 § 11.
Jedi 16 avril
Lè m te nan pwoblèm, mwen te rele nan pye Jewova, [...] e rèl mwen fè pou m mande l sekou a te rive nan zòrèy li. — Sòm 18:6.
Wa David te konnen Jewova e li te konte sou Li. Lè ènmi David yo, san wete wa Sayil, t ap chèche touye l, li te priye Jewova pou ede l. Apre Bondye te fin tande priyè David la e l te delivre l, men sa David te di: “Jewova vivan!” (Sòm 18:46). Pawòl sa yo montre David pa t annik kwè Bondye egziste. Gen yon liv ki esplike lè David te di pawòl sa yo, li t ap fè konnen li gen konfyans nan Jewova “antanke yon Bondye vivan ki toujou aji an favè pèp li”. Vrèmanvre, grasa eksperyans David te fè, li te konnen Bondye l la vivan. E lefètke l te gen konviksyon sa a, sa te fè l gen plis detèminasyon pou l sèvi Jewova e pou l fè louwanj pou li (Sòm 18:28, 29, 49). Lefètke nou gen konviksyon Jewova se Bondye vivan an sa kapab ede n pou n sèvi l ak tout kè n. N ap jwenn fòs pou n andire eprèv e n ap vin pi chofe pou n kontinye travay di nan sèvis li. Epitou, n ap detèmine pou n rete pwòch ak Jewova. w24.06 20-21 § 3-4.
Vandredi 17 avril
Pa kite pèsonn pran tèt nou nan okenn fason. — 2 Tes. 2:3.
Ki sa nou ka aprann nan pawòl apot Pòl te di frè ak sè nan vil Tesalonik yo? Lè nou tande yon bagay ki depaman ak sa nou te aprann nan Bib la oswa nou tande yon gwo rimè, nou bezwen sèvi ak kapasite nou genyen pou n konprann nan. Nan ansyen Inyon sovyetik la, yon lè, ènmi nou yo te voye yon lèt bay frè yo swadizan syèj mondyal la te ekri. Lèt la te ankouraje kèk nan frè yo pou yo fòme yon lòt òganizasyon apa. Sa te parèt kòmsi se syèj mondyal la ki te ekri lèt la vre. Men, frè ki te fidèl yo pa t pran nan pyèj la. Yo te rann yo kont mesaj ki te nan lèt la te depaman ak sa yo te aprann. Jodi a, pafwa ènmi laverite yo konn sèvi ak teknoloji pou yo lage konfizyon oswa simen divizyon nan mitan nou. Olye n “kite lespri nou twouble fasil”, nou kapab pwoteje tèt nou lè n pran tan pou n byen reflechi pou n wè si sa nou tande yo oswa sa nou li yo ann amoni ak verite nou te aprann yo. — 2 Tes. 2:2; 1 Jan 4:1. w24.07 12 § 14-15.
Samdi 18 avril
Si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon èd. — 1 Jan 2:1.
Pi gwo desizyon yon moun ka pran se lè l vwe Jewova lavi l e l vin fè pati fanmi l. Jewova vle pou tout moun fè sa. Poukisa? Li ta renmen yo vin zanmi l e pou yo viv pou toutan (Det. 30:19, 20; Gal. 6:7, 8). Men, Jewova pa fòse pèsonn sèvi l. Li vle se chak moun ki deside ki sa y ap fè. Men, e si yon kretyen ki batize pa respekte Lwa Bondye yo e li fè yon peche grav? Si l pa repanti, yo dwe retire l nan kongregasyon an (1 Kor. 5:13). Men, menm lè sa a, Jewova gen bonjan espwa moun ki fè peche a ap retounen vin jwenn li. Anfèt, se youn nan pi gwo rezon ki fè l te bay ranson an yon fason pou moun ki peche ki repanti kapab jwenn padon. Bondye nou an ki gen lanmou ankouraje moun ki peche yo pou yo repanti. — Zak. 1:3; Wom. 2:4; Jak 4:8. w24.08 14 § 1-2.
Dimanch 19 avril
Si kè w vin gen sajès, lè sa a, kè m ap kontan. — Pwo. 23:15.
Nan moman apot Jan t ap ekri twazyèm lèt li a, gen kèk kretyen ki t ap gaye fo ansèyman, sa ki te lakòz divizyon nan kongregasyon an. Sepandan, gen lòt kretyen ki te kontinye “mache nan laverite”. Yo te obeyi Jewova e yo t ap “mache selon kòmandman l yo”. (2 Jan 4, 6.) Nonsèlman kretyen fidèl sa yo te fè kè Jan kontan, men tou, yo te fè kè Jewova kontan (Pwo. 27:11). Ki leson nou aprann? Lè nou fidèl, sa bay kè kontan (1 Jan 5:3). Pa egzanp, nou kontan lè n konnen nou fè kè Jewova kontan. Jewova kontan anpil lè l wè nou evite fè sa ki mal e n obeyi kòmandman l yo. Zanj nan syèl la kontan tou lè yo wè sa (Lik 15:10). Nou kapab gen kè kontan tou lè n wè frè n ak sè n yo rete fidèl (2 Tes. 1:4). E lè monn Satan an detwi, n ap kontan lefètke nou te rete fidèl ak Jewova. w24.11 12 § 17-18.
Lendi 20 avril
Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun. — 1 Kor. 10:24.
Pandan konbyen tan ou bezwen suiv moun nan anvan w di l ou enterese nan li? Si w kouri al pale ak yon moun, sa ka sanble ou pa reflechi anvan w pran desizyon (Pwo. 29:20). Yon lòt bò, si w pran twòp tan pou w pale ak moun nan, sa ka sanble ou pa konn sa w vle, sitou si moun nan gentan wè ou enterese nan li (Ekl. 11:4). Ou bezwen sonje, anvan w montre yon moun ou enterese nan li, ou pa bezwen gentan met nan tèt ou se ak moun sa a w ap marye. Men, ou bezwen sèten ou pare pou w marye, e moun nan ka vin yon bon mari pou ou. Sepandan, ki sa w dwe fè si w santi yon moun enterese nan ou? Si moun nan pa enterese w, chèche montre sa byen klè nan fason w aji. Li pa t ap bon pou w bay moun nan espwa alòske w konnen ou pa enterese nan li. — Efe. 4:25. w24.05 22-23 § 9-10.
Madi 21 avril
M ap retounen e m ap resevwa nou lakay mwen. — Jan 14:3.
Se sèlman moun Bondye chwazi toutbon pou al nan syèl ki fidèl yo Jezi ap resevwa nan Wayòm nan nan syèl la. Kèlkeswa moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki pa kontinye veye, Bondye pap rasanble yo ansanm ak “moun ki pou li yo”. (Mat. 24:31.) Epitou, tout moun ki fè pati pèp Bondye a, kèlkeswa esperans yo genyen, dwe konsidere pawòl Jezi yo kòm yon avètisman pou yo kontinye veye e pou yo ret fidèl. Nou vin konn Jewova byen, se sa k fè nou kwè li toujou aji yon fason ki jis. Donk, nou pa bay tèt nou pwoblèm si Jewova chwazi kèk moun ki fidèl pou al nan syèl nan epòk n ap viv la a. Nou sonje egzanp Jezi te bay konsènan moun yo te mande vin travay nan yon jaden rezen nan 11yèm èdtan nan jounen an (Mat. 20:1-16). Moun yo te mande vin travay an dènye yo te resevwa menm kantite lajan ak moun ki te kòmanse travay byen bonè yo. Menm jan an tou, kèlkeswa moman Jewova chwazi yon moun pou al nan syèl, moun sa a ap resevwa rekonpans li nan syèl la depi l ret fidèl. w24.09 24 § 15-17.
Mèkredi 22 avril
Kris [...] te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye. — 1 Pyè 2:21.
Jezi ban nou yon bèl egzanp sou fason pou n aji lè yo fè n enjistis. Anpil moun te mal aji avè l, kit se fanmi l, kit se lòt moun. Fanmi l yo pa t kwè nan li e yo te akize l kòmkwa li te pèdi tèt li. Chèf relijye yo te akize l kòmkwa li t ap kolabore ak demon yo. Sòlda women yo te pase l nan rizib, yo te maltrete l e yo te menm touye l (Mak 3:21, 22; 14:55; 15:16-20, 35-37). Sepandan, Jezi te andire tout enjistis sa yo ak lòt enjistis ankò e l pa t janm mal reyaji. Ki sa n ka aprann nan egzanp li (1 Pyè 2:21-23)? Jezi kite yon bèl egzanp pou nou sou fason pou n reyaji lè yo fè n enjistis. Li te konnen lè pou l pa di anyen ak lè pou l pale (Mat. 26:62-64). Li pa t reponn tout fo akizasyon yo te lage sou do l (Mat. 11:19). Lè l te deside pale, li pa t joure moun ki t ap pèsekite l yo oswa li pa t fè yo menas. w24.11 4-5 § 9-10.
Jedi 23 avril
Kris Jezi te vin nan monn nan pou l sove pechè. — 1 Tim. 1:15.
Imajine w bay yon moun ou renmen yon kado espesyal ki bèl e k ap itil li. Ala sa t ap fè w mal si moun sa a ta annik met kado a yon kote epi l pa okipe l! Yon lòt bò, se sèten ou ap kontan si moun nan ta sèvi ak kado a e l ta montre li apresye l. Ki rapò egzanp sa a genyen ak kado Jewova bay la, anpalan de ranson an? Jewova bay Pitit Gason l lan kòm sakrifis pou nou. Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè n montre nou gen rekonesans pou gwo kado sa a e pou lanmou li gen pou nou ki te pouse l bay ranson an (Jan 3:16; Wom. 5:7, 8)! Sepandan, tank ane ap pase, nou ka vin sispann wè ranson an kòm yon kado ki gen anpil valè. Se kòmsi nou ta pran kado Bondye ban nou an nou mete l yon kote. Nou kontan genyen l, men, nou pa tèlman panse avè l ankò. Pou anpeche sa rive, nou dwe chèche vin gen plis rekonesans pou sa Bondye ak Kris fè pou nou, e n dwe fè sa regilyèman. w25.01 26 § 1-2.
Vandredi 24 avril
Reflechi sou bagay sa yo, plonje nèt ladan yo, yon fason pou tout moun ka wè pwogrè w aklè. — 1 Tim. 4:15.
Yon frè ki kalifye pou l vin ansyen se pa “yon moun ki fèk konvèti”. Menm lè w pa oblije gen anpil ane depi w batize, ou bezwen tan pou w vin gen matirite antanke kretyen. Anvan yo nome w ansyen, ou dwe montre ou gen imilite menm jan ak Jezi, e w dispoze tann Jewova pou l ba w plis responsablite nan kongregasyon an (Mat. 20:23; Flp. 2:5-8). Ou kapab montre w “fidèl” lè w ret atache ak Jewova e ak prensip li yo ki jis, e lè w suiv direksyon li bay pa mwayen òganizasyon l lan. Bib la fè konnen aklè siveyan yo dwe gen “kapasite pou [yo] anseye”. Èske sa vle di ou dwe yon gwo oratè? Non! Gen anpil ansyen kalifye, menm lè se pa yo ki bay pi bèl diskou, ki anseye byen nan travay fè disip la ak nan vizit pastoral. w24.11 23-24 § 14-15.
Samdi 25 avril
Mwen renmen kòmandman w yo. Mwen renmen yo plis pase lò, menm pase pi bon lò a. — Sòm 119:127.
Lè w jwenn yon pasaj nan Bib la ou pa fin konprann, fè rechèch. Epi, pandan tout jounen an, medite sou sa w aprann yo e chèche wè sa yo aprann ou sou Jewova, sou Pitit Gason l lan e sou lanmou yo gen pou ou (Sòm 119:97, nòt). Ou pa bezwen dekouraje si w pa jwenn yon nouvo bagay oswa yon bagay estrawòdinè chak fwa w ap li oswa w ap fè rechèch. Nan yon sans, ou tankou yon moun k ap chèche lò. Avèk pasyans, moun k ap chèche lò yo pase plizyè èdtan oswa plizyè jou anvan yo jwenn menm ti moso lò ki pi piti a. Aktout sa, yo kontinye chèche paske chak ti moso lò yo jwenn gen anpil valè pou yo. Chak trezò nou jwenn nan Bib la gen plis valè toujou (Pwo. 8:10)! Donk, kontinye li Bib la e kontinye chèche aprann nouvo bagay ladan l. — Sòm 1:2. w25.01 25 § 14-15.
Dimanch 26 avril
Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an. — Kol. 3:13.
Jewova atann pou n dispoze padone moun ki di n oswa fè n yon bagay ki fè n mal (Sòm 86:5; Lik 17:4; Efe. 4:32). Nou ka santi n ap soufri anpil akoz sa yon moun di n oswa fè n, sitou si moun sa a se yon bon zanmi nou oswa yon moun nan fanmi nou (Sòm 55:12-14). Pafwa, nou ka santi se kòmsi yo ban nou yon kout kouto (Pwo. 12:18). Nou ka eseye bliye sa k ap fè nou soufri a. Men, si nou fè sa, se kòmsi yo ta fin ban nou yon kout kouto epi n kite kouto a nan blese a. Menm jan an tou, nou pa ka atann n ap santi n pi byen si n fè kòmsi sa pa di n anyen. Lè yon moun di n oswa fè n yon bagay ki fè nou mal, premye reyaksyon nou ka genyen se fache. Labib fè konnen nou ka an kòlè. Sepandan, li mande n pou n pa ret fache (Sòm 4:4; Efe. 4:26). Poukisa? Paske, kòlè pa konn bay bon rezilta (Jak 1:20). Pa bliye, fache se yon reyaksyon, men ret fache se yon chwa. w25.02 15 § 4-6.
Lendi 27 avril
Si [yon moun] gen sajès, sa ap pwoteje lavi l. — Ekl. 7:12.
Jezi te pran yon egzanp pou montre nou t ap aji tankou moun sòt si n ap chèche ranmase lajan san n pa chèche vin “rich nan je Bondye”. (Lik 12:16-21.) Pa gen pèsonn ki konnen jan demen ap ye (Pwo. 23:4, 5; Jak 4:13-15). Epitou, Jezi te di tout moun ki vle vin disip li dwe pare pou yo “abandone” tout sa yo posede (Lik 14:33). Kretyen ki t ap viv Jide nan premye syèk la te aksepte pèdi tout sa yo te genyen ak kè kontan (Ebre 10:34). Nan epòk pa nou an, anpil frè ak sè te aksepte pèdi bagay materyèl yo te genyen paske yo pa t vle antre nan politik (Rev. 13:16, 17). Ki sa k te ede yo fè sa? Yo gen yon konfyans total nan pwomès Jewova fè ki di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” (Ebre 13:5). Nou fè tout sa n kapab pou n jwenn sa n ap bezwen pou n viv lè n vin granmoun, e si gen bagay ki rive nou sanzatann, nou gen konfyans Jewova ap ede nou. w25.03 29 § 13-14.
Madi 28 avril
Piske kounye a nou kite doktrin de baz nou te aprann sou Kris yo dèyè, ann fè efò pou nou vin gen matirite, san nou pa retounen poze baz ankò. — Ebre 6:1.
Jewova pa atann pou nou vin gen matirite poukont nou. Moun ki sèvi antanke bèje ak anseyan nan kongregasyon an jwenn fòmasyon pou yo ede nou pou nou fin “grandi nèt” nan domèn espirityèl “jis nou rive nan nivo Kris ye a, pou nou vin konplè, menm jan avè l”. (Efe. 4:11-13.) Epitou, Jewova bay lespri sen l pou ede n vin gen “panse Kris la”. (1 Kor. 2:14-16.) Mete sou sa, Bondye te fè ekri kat Evanjil yo pou montre nou fason Jezi te panse, fason l te pale ak fason l te aji pandan sèvis li sou tè a. Lè w imite fason Jezi te panse ak fason l te aji, w ap kapab reyalize objektif ou genyen pou w vin gen matirite antanke kretyen. Men pou n vin gen matirite, nou dwe “kite doktrin de baz nou te aprann sou Kris yo dèyè”, sa vle di ansèyman de baz nou te aprann antanke kretyen yo. w24.04 4-5 § 11-12.
Mèkredi 29 avril
W ap aprann reflechi e sa ap pwoteje w, e bon jijman ou vin genyen ap pwoteje w. — Pwo. 2:11.
Chak jou nou gen desizyon pou n pran. Gen desizyon ki ka parèt fasil pou n pran, tankou chwazi sa n ap manje nan maten oswa ki lè pou n al dòmi. Konsa tou, gen lòt desizyon ki pi difisil pou n pran. Yo ka gen efè sou sante nou, yo ka fè n gen kè kontan oswa fè n tris, yo ka gen efè sou moun nou renmen oswa sou adorasyon n ap bay Jewova a. Nou vle pou desizyon nou pran yo bon pou nou ak fanmi nou. Sa k pi enpòtan an, nou ta renmen desizyon n pran yo fè Jewova plezi (Wom. 12:1, 2). Yon bagay enpòtan ou dwe fè pou w pran yon bon desizyon se chèche gen enfòmasyon w ap bezwen yo. Poukisa sa enpòtan? Imajine yon moun al wè doktè paske l gen yon gwo pwoblèm sante. Èske doktè a t ap pran desizyon pou l fè moun nan suiv yon tretman san li pa egzamine moun nan anvan oswa san l pa poze l kesyon? Se sèten li pa t ap fè sa. Ou menm tou w ap pran pi bon desizyon si w reflechi anvan sou enfòmasyon ki gen rapò ak sitiyasyon w lan. w25.01 14 § 1-3.
Jedi 30 avril
Jewova [...] padone peche w fè a. Ou pap mouri. — 2 Sam. 12:13.
Ki sa nou konnen anrapò ak mizèrikòd Jewova? Ki jan Jewova te montre li “pa ta renmen pèsonn moun detwi”? (2 Pyè 3:9.) Ann wè fason Jewova te demontre mizèrikòd pou yon seri moun ki te fè peche grav. Wa David te fè yon seri peche grav, sa gen ladan l adiltè ak zak asasinay. Men, David te repanti. Se sa k fè Jewova te fè l mizèrikòd, li te padone l (2 Sam. 12:1-12). Wa Manase te mechan anpil, li te pase prèske tout vi l ap fè mechanste. Menm nan sitiyasyon sa a ki te grav anpil, Jewova te fè mesye sa a mizèrikòd e l te padone l, paske l te repanti (2 Kwo. 33:9-16). Egzanp sa yo fè n sonje Jewova demontre mizèrikòd depi l wè gen yon rezon pou sa. Jewova ap resisite moun sa yo paske yo te rekonèt yo te fè yon seri peche grav e yo te repanti. w24.05 4 § 12.