Me
Vandredi 1ye me
Bondye pa gen patipri. — Wom. 2:11.
Apre Jewova te fin delivre pèp li a nan esklavaj nan peyi Ejip, li te met prèt sèvi nan tabènak la. Li te bay Levit yo fè lòt travay nan tant sakre sa a. Èske Jewova te pi byen pran swen moun ki t ap sèvi nan tabènak la oswa moun ki t ap viv toupre tabènak la pase lòt moun yo? Non! Jewova pa gen patipri. Chak Izrayelit ki te nan kan an te kapab zanmi Jewova. Pa egzanp, lè Jewova te fè yon mirak kote l te fè nyaj ki te gen fòm poto a ak dife ki te gen fòm poto a parèt anlè tabènak la, li te fè tout nasyon an wè yo (Egz. 40:38). Lè nyaj la t ap deplase al yon lòt kote, menm moun ki te gen tant yo pi lwen tabènak la te kapab wè l. Yo te ranmase zafè yo, yo te demonte tant yo, e yo te deplase ansanm ak lòt moun yo (Nonb 9:15-23). Menm jan an tou jodi a, kèlkeswa kote n ap viv sou tè a, Jewova renmen nou, l ap pran swen nou e l ap pwoteje nou. w24.06 4 § 10-12.
Samdi 2 me
Leve, ann kouri ale paske nou youn pap ka chape anba men Absalon! — 2 Sam. 15:14.
Lavi David te an danje. Absalon, pitit gason l, te detèmine pou l pran wayòm nan nan men l (2 Sam. 15:12, 13). David te bezwen kouri kite Jerizalèm san pèdi tan! Pandan sèvitè David yo t ap kite Jerizalèm, David te vin rann li kont li te bezwen yon moun pou rete Jerizalèm pou fè l konnen ki sa Absalon t ap manniganse. Donk, li te fè Zadòk ak kèk lòt prèt retounen nan vil la pou y al fè espyon (2 Sam. 15:27-29). Yo te bezwen pran anpil prekosyon. David te monte yon plan e l te mande Zadòk ak Ouchayi, zanmi li te genyen ki te fidèl, pou ede l ak plan li te genyen an (2 Sam. 15:32-37). Vrèmanvre, Ouchayi te fè sa David te di l la. Li te pran pòz li t ap soutni Absalon, li te ba l yon konsèy sou fason pou l atake David, sa ki t ap bay David tan pou l prepare l si yo ta deside fè sa. Apre sa, Ouchayi te fè Zadòk ak Abyata konnen ki jan plan an t ap mache (2 Sam. 17:8-16). Konsa, de mesye yo te kapab voye yon mesaj bay David ki te ede David pou anyen mal pa t rive l. — 2 Sam. 17:21, 22. w24.07 4-5 § 9-10.
Dimanch 3 me
Jewova di: “Kounye a, vini, annou ranje bagay yo.” — Eza. 1:18.
Gen kèk sèvitè Jewova ki santi yo boulvèse anpil akoz peche yo te fè anvan yo te batize e menm apre yo fin batize. Men, nou pa dwe bliye Jewova te bay ranson an paske l renmen n anpil. Pa gen dout, li vle n aksepte kado li bay la. Jewova ban n asirans apre nou fin “ranje bagay yo” avè l, li padone nou nèt. Nou gen Jewova, Papa nou an ki plen lanmou, anpil rekonesans poutèt li bliye peche nou te fè yo. Anmenmtan, li pa janm bliye bon bagay nou te fè yo (Sòm 103:9, 12; Ebre 6:10). Si sa w te fè lontan toujou ap boulvèse w, fè tout sa w kapab pou w ret konsantre sou sa w ap fè kounye a ak sa w pral fè alavni olye w ret konsantre sou sa k te pase a. Ou pa ka chanje sa w te konn fè nan tan lontan. Men, ou ka bay Jewova louwanj e fè l plezi kounye a, epi panse ak bèl pwomès li fè w pou lavni. w24.10 8 § 8-9.
Lendi 4 me
Abiye nou ak nouvo pèsonalite a. — Kol. 3:10.
Lè w li Labib e w ap chèche fason pou w aplike konsèy ki ladan l yo, pafwa ou ka santi w gen twòp chanjman pou w fè. Reflechi ak sitiyasyon ki vin annapre a: Pandan w ap li Bib la jodi a, ou jwenn yon konsèy ki ankouraje w pou w pa gen patipri (Jak 2:1-8). Ou wè ou ka amelyore fason w aji ak lòt moun, donk, ou deside fè kèk chanjman. Epi, nan demen, ou li yon pasaj ki montre enpòtans pou w kontwole pawòl k ap sot nan bouch ou (Jak 3:1-12). Ou rann ou kont pafwa ou konn di pawòl ki dekourajan. Donk, ou pran detèminasyon pou w di pawòl ki pi pozitif e ki pi ankourajan. Lekti Labib ou fè nan jou ki vin annapre a gen yon avètisman k ap ede w pou w pa vin zanmi monn nan (Jak 4:4-12). Ou remake ou bezwen fè plis atansyon lè w ap chwazi detant w ap pran. Rive nan katriyèm jou a, ou ka santi l twò difisil pou w fè tout chanjman sa yo. Pa dekouraje. Nou bezwen sonje “abiye nou ak nouvo pèsonalite a” se pa yon bagay nou ka fè yon sèl fwa epi n fini. w24.09 5-6 § 11-12.
Madi 5 me
Se pou nou rekonèt nan kè nou Kris se Seyè e li sen. Se pou nou toujou pare pou nou defann nou devan nenpòt moun ki mande nou rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an. Men, se pou nou fè sa avèk dousè e avèk gwo respè. — 1 Pyè 3:15.
Jezi te konnen se fason Jewova wè bagay yo ki pi enpòtan. Li te gen konfyans Jewova t ap retire tout enjistis nan bon moman. Menm jan ak Jezi, nou kapab kontwole sa n ap di lè yo mal aji avè n. Gen enjistis yo fè n ki pa twò grav, e nou kapab annik pase sou yo. Oubyen, nou ka chwazi pa di anyen paske, si n di yon bagay, sa ka lakòz plis pwoblèm (Ekl. 3:7; Jak 1:19, 20). Gen lòt moman, nou ka bezwen pale lè n wè yo mal aji avè n oswa lè n bezwen defann laverite (Tra. 6:1, 2). Si n oblije pale, nou dwe chèche fè tout sa n kapab pou n pale kalm e pou n fè sa avèk respè. Nou kapab suiv egzanp Jezi tou lè n remèt tèt nou nan men “Sila a ki jije avèk jistis la”. — 1 Pyè 2:23. w24.11 5-6 § 10-12.
Mèkredi 6 me
Zanj Bondye yo kontan anpil lè yon moun k ap pratike peche repanti. — Lik 15:10.
Se pa ti kontan nou kontan lè yon moun ki peche repanti (Lik 15:7)! Byenke ansyen yo te fè tout sa yo kapab pou yo korije moun nan, kiyès ki vrèman ede yon moun ki peche pou l chanje? Sonje pawòl apot Pòl te ekri konsènan moun ki peche yo lè l te di: “Petèt, Bondye ka byen pèmèt yo repanti.” (2 Tim. 2:25). Kidonk, se Jewova, se pa okenn lòt moun, ki ede yon kretyen chanje fason l panse ak fason l aji. Pòl esplike bon bagay ki rive apre yon moun fin repanti. Moun sa a kapab vin gen yon konesans ki pi egzak sou laverite, li kapab retounen nan bonsans li e li kapab retire kò l anba pyèj Satan yo (2 Tim. 2:26). Lè yon moun ki peche repanti, ansyen yo ap pran dispozisyon pou yo vizite moun sa a pou l ka kontinye jwenn èd li bezwen pou l goumen kont pyèj Satan yo e pou l fè chemen dwat pou pye l. — Ebre 12:12, 13. w24.08 23 § 14-15.
Jedi 7 me
Se pa paske nou te wè mirak mwen te fè yo ki fè n ap chèche m, men se paske nou te manje pen e vant nou te plen. — Jan 6:26.
Foul moun Jezi te bay manje a te plis konsantre sou manje ak anvi yo te genyen. Ki jan yo te montre sa? Nan demen, yo te wè Jezi ak apot li yo kite zòn nan. Donk, foul moun yo te monte nan kèk bato ki te sot Tiberyad, e yo t al nan direksyon Kapènawòm pou y al chèche Jezi (Jan 6:22-24). Èske yo t ap chèche l paske yo te vle tande plis bagay sou Wayòm nan? Non. Sa k te plis enterese yo se jwenn manje. Ki jan nou fè konn sa? Ann wè sa k te rive lè foul moun yo te jwenn Jezi toupre Kapènawòm. Jezi te di byen klè rezon ki fè yo te vini se paske yo te vle jwenn manje. Li te fè konnen yo “te manje pen e vant [yo] te plen” ak “manje k ap gate”. Li te ankouraje yo pou yo travay pou “manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an” pito (Jan 6:26, 27). Jezi te di se Papa l ki t ap ba yo kalite manje sa a. w24.12 5 § 8-9.
Vandredi 8 me
Kè moun ki gen sajès la fè l veye sa k ap sot nan bouch li e li fè l pale yon fason pou l konvenk moun. — Pwo. 16:23.
Ou menm frè, pou w vin yon pi bon anseyan, asire w sa w ap di lè w ap anseye ak konsèy w ap bay yo baze sou Pawòl Bondye a. Pou w rive fè sa, ou bezwen byen etidye Bib la ak piblikasyon nou yo (Pwo. 15:28). Toutpandan w ap etidye, chèche wè fason ou ka byen aplike prensip ki nan Bib la. E lè w ap anseye, fè anpil efò pou w touche kè moun k ap koute w yo. Ou kapab vin yon pi bon anseyan si w mande ansyen ki gen eksperyans yo konsèy e w aplike konsèy sa yo (1 Tim. 5:17). Ansyen yo bezwen ‘kapab ankouraje’ frè ak sè yo. Sepandan, pafwa ansyen yo dwe ba yo konsèy oswa menm “reprimande” yo. Nan kèlkeswa sitiyasyon an, ansyen yo dwe toujou aji avèk bonte. Si w janti e w gen lanmou, epi w baze ansèyman w ap bay sou Pawòl Bondye a, w ap yon bon anseyan paske w ap imite Jezi, Gran Anseyan an. — Mat. 11:28-30; 2 Tim. 2:24. w24.11 24 § 16.
Samdi 9 me
Fè nasyon yo konnen glwa li genyen. — Sòm 96:3.
Nou ka bay Jewova glwa nan sa n ap di sou li. Sèvitè Jewova yo jwenn envitasyon pou yo “chante pou Jewova”, “fè louwanj pou non l”, “fè konnen bon nouvèl delivrans li bay la”, epi “fè nasyon yo konnen glwa li genyen”. (Sòm 96:1-3.) Nou kapab bay Papa nou ki nan syèl la glwa tout fason sa yo (Tra. 4:29). Nou ka bay Jewova glwa avèk sa n genyen ki gen valè yo. Vrè adoratè yo te toujou onore Jewova fason sa a (Pwo. 3:9). Pa egzanp, Izrayelit yo te bay kòb ak bagay ki gen anpil valè pou konstwi tanp lan e pou pran swen l (2 Wa 12:4, 5; 1 Kwo. 29:3-9). Gen nan disip Kris yo ki te bay nan “sa yo te genyen” pou li menm ak apot li yo te ka jwenn sa yo te bezwen (Lik 8:1-3). Kretyen nan premye syèk la te bay kòb tou pou pote frè ak sè ki te nan nesesite yo sekou akoz yon gwo grangou ki te genyen (Tra. 11:27-29). Jodi a, nou menm tou, nou kapab bay Jewova glwa lè n fè ofrann ak tout kè nou. w25.01 4 § 8; 5 § 11.
Dimanch 10 me
Èske yon moun ka anpeche moun sa yo batize nan dlo? — Tra. 10:47.
Ki sa k te ede Kònèy pou l te batize? Selon sa Bib la di, “li menm ak tout moun lakay li te gen [...] lakrentif pou Bondye”. Epi, Kònèy te toujou ap sipliye Bondye (Tra. 10:2). Lè Pyè te anonse Kònèy bon nouvèl la, li menm ak fanmi l te aksepte Kris e yo te batize lapoula (Tra. 10:47, 48). Pa gen dout, Kònèy te dispoze fè nenpòt chanjman ki te nesesè nan lavi l pou l te ka adore Jewova ansanm ak fanmi l (Joz. 24:15; Tra. 10:24, 33). Kònèy te ka kite pozisyon l te genyen an anpeche l vin kretyen. Men, li pa t fè sa. Èske gen gwo chanjman w ap bezwen fè nan lavi w pou w batize? Si se sitiyasyon pa w, Jewova ap ede w. L ap beni w si w pran detèminasyon pou w aplike prensip ki nan Bib la nan lavi w pou w ka sèvi l. w25.03 5 § 12-13.
Lendi 11 me
Rejte lejann ki dezonore Bondye. — 1 Tim. 4:7.
Si w tande y ap di move bagay sou òganizasyon an oswa sou frè k ap dirije yo, sonje ki jan ènmi Bondye yo te aji ak Jezi ak disip yo nan premye syèk la. Jodi a, yo pèsekite pèp Jewova a, e yo pale yo mal egzakteman jan Bib la te anonse sa (Mat. 5:11, 12). Nou pap pran nan manti sa yo si n sonje kiyès k ap pouse moun bay yo e si nou aji vit pou nou pwoteje tèt nou. Ki sa n bezwen fè? Pa koute lejann moun ap rakonte. Apot Pòl te bay bonjan enstriksyon sou sa pou n fè si n tande moun ap rakonte yon seri lejann. Li te di Timote pou l “bay kèk moun enstriksyon pou yo pa [...] okipe lejann”, e pou yo “rejte lejann ki dezonore Bondye”. (1 Tim. 1:3, 4.) Nou pa koute lejann y ap rakonte yo paske nou konnen ki kote manti sa yo soti. Okontrè, sèl sa nou koute se “pawòl ki pwofitab” yo, pawòl ki verite. — 2 Timote 1:13. w24.04 11 § 16; 13 § 17.
Madi 12 me
Y ap sèvi ak pawòl dous ak pawòl flatri pou yo sedui kè moun ki inosan yo. — Wom. 16:18.
Kontinye sèvi Jewova ansanm ak moun ki fidèl ak li yo. Bondye vle nou fè yon sèl nan adorasyon n ap ba li a. N ap kontinye gen tèt ansanm toutotan nou ret atache ak laverite. Nenpòt moun k ap gaye enfòmasyon ki depaman ak laverite ap met divizyon nan kongregasyon an. Se sa k fè Bondye avèti nou pou nou “evite moun sa yo”. Si n pa fè sa, nou ka kòmanse kwè yon seri bagay ki pa laverite e nou ka vin pa fidèl ak Jewova (Wom. 16:17). Lè n rive wè diferans ki genyen ant laverite ak manti e nou ret atache ak laverite, n ap rete pwòch ak Jewova e n ap kontinye gen yon lafwa ki solid (Efe. 4:15, 16). Nou pap kwè nan fo ansèyman Satan ap gaye yo e nou pap pran nan pwopagann li yo. Epitou, Jewova ap kontinye pwoteje nou pandan gwo tribilasyon an. Kontinye ret atache ak sa ki laverite, “e Bondye lapè a ap avèk nou”. — Flp. 4:8, 9. w24.07 13 § 16-17.
Mèkredi 13 me
Moun sa a te ofri yon sèl sakrifis pou peche, ki valab pou toutan. — Ebre 10:12.
Jezi te plis bay moun ki t ap soufri akoz peche yo yon atansyon espesyal e li te envite yo vin disip li. Li te konnen se peche ki te lakòz tout soufrans lèzòm yo. Donk, li te ede moun, kit se fi, kit se gason, ki t ap soufri akoz peche yo te fè yo. Men sa l te esplike nan yon egzanp li te bay: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” Men sa l te di apre sa: “Mwen pa vin rele moun ki jis, men mwen vin rele moun k ap pratike peche.” (Mat. 9:12, 13). Jezi te fè sa vre. Avèk bonte, li te padone peche yon dam ki te lave pye l ak dlo nan je l (Lik 7:37-50). Pandan l te bò yon pi, li te anseye yon dam ki te moun Samari yon seri verite ki te enpòtan anpil malgre l te konnen li t ap viv yon fason ki imoral (Jan 4:7, 17-19, 25, 26). Bondye te menm bay Jezi pouvwa pou l elimine lanmò ki se rezilta peche. Ki jan? Jezi te resisite moun, kit se gason kit se fi, kit se timoun kit se granmoun. — Mat. 11:5. w24.08 4 § 9-10.
Jedi 14 me
Li gen pou l jije tè a avèk jistis e li gen pou l jije pèp yo avèk fidelite. — Sòm 96:13.
Ki jan Jewova pral fè non l jwenn glwa talè konsa? Li pral fè gen jistis. Talè konsa, li pral detwi Gran Babilòn nan k ap fè moun sal non L ki sen (Rev. 17:5, 16; 19:1, 2). Kèk nan moun ki pral wè lè Gran Babilòn nan detwi ka vin adore Jewova ansanm avè n. Finalman, nan Amagedon, Jewova pral detwi tout sistèm Satan an. Li pral elimine tout moun ki opoze avè l e k ap sal non l. Men, l ap sove tout moun ki renmen l, ki obeyi l e ki kontan ba l glwa (Mak 8:38; 2 Tes. 1:6-10). Nan fen Rèy mil an Kris la, apre dènye eprèv la, Jewova pral fè non l vin sen nèt (Rev. 20:7-10). Lè sa a, “tè a pral plen konesans sou glwa Jewova menm jan lanmè a plen dlo”. (Aba. 2:14.) Ala bèl sa pral bèl lè tout moun ki vivan pral onore Jewova pou glwa non l merite! w25.01 7 § 15-16.
Vandredi 15 me
Nou bezwen andirans, paske sa fè pati disiplin n ap resevwa a. — Ebre 12:7.
Ki sa k t ap ede kretyen ebre yo andire opozisyon yo te jwenn? Apot Pòl te vle ede kretyen yo wè avantaj ki genyen lè yo andire eprèv. Li te esplike lè kretyen yo jwenn eprèv, Bondye kapab sèvi ak sa pou ba yo fòmasyon. Fòmasyon konsa ka ede yon moun vin gen yon seri kalite ki enpòtan anpil pou l fè Jewova plezi. Si kretyen sa yo te konsantre sou rezilta sa t ap bay lè yo andire eprèv, li t ap vin pi fasil pou yo andire (Ebre 12:11). Pòl te ankouraje kretyen ebre yo pou yo andire eprèv yo jwenn yo avèk anpil detèminasyon. Li te kapab ba yo bonjan konsèy sou fason pou yo andire pèsekisyon. Lefètke li te konn pèsekite kretyen yo anvan sa, li te konnen sa k t ap tann yo. Li te konnen tou ki jan pou l andire pèsekisyon. Dayè, li te jwenn divès kalite opozisyon apre l te vin kretyen. — 2 Kor. 11:23-25. w24.09 12-13 § 16-17.
Samdi 16 me
Kontinye veye. — Mat. 25:13.
Chak jou ki pase, travay fè disip la vin pi ijan. Sa k fè sa? Paske pa ret tan ankò. Ann egzamine sa Jezi te anonse konsènan travay predikasyon an nan dènye jou yo jan sa parèt nan Mak 13:10. Selon sa Matye te rapòte, Jezi te di yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl la sou tout tè a anvan “lafen an” vini (Mat. 24:14). Ekspresyon sa a gen rapò ak detwi sistèm Satan an pral detwi nèt. Jewova deja fikse ‘jou ak lè’ pou evènman ki pral rive talè konsa yo (Mat. 24:36; Tra. 1:7). Chak jou ki pase fè nou vin pi pwòch moman sa a (Wom. 13:11). Annatandan, nou dwe kontinye preche jiskaske lafen an rive. Pandan n ap reflechi sou travay fè disip la, nou bezwen egzamine yon kesyon ki vrèman enpòtan: Poukisa nou preche bon nouvèl la? Nou ka di tou senpleman, se lanmou ki pouse n preche. Lè n preche, sa montre nou renmen bon nouvèl la, nou renmen moun e sa k pi enpòtan an, nou renmen Jewova e nou renmen non l. w24.05 14-15 § 2-3.
Dimanch 17 me
Bondye gade tout sa l fè yo e li wè yo bon anpil. — Jen. 1:31.
Paran, ankouraje pitit ou pou l reflechi sou bèl bagay ki gen nan lanati yo. Pandan w ap mache ak pitit ou yon kote ki gen anpil pyebwa oswa pandan w ap travay nan jaden, ede yo wè pakèt bèl bagay ki gen nan lanati. Poukisa w bezwen fè sa? Bèl bagay sa yo bay prèv gen yon Kreyatè ki entèlijan e ki gen sajès ki te fè tout bagay sa yo. Pa egzanp, si w wè fason yon kokiy kalmason, kèk flè, fèy yon seri plant ak kèk gwoup zetwal fèt, w ap wè yo gen yon fòm spiral. Syantifik yo fè plizyè ane ap etidye fòm kèk nan bagay sa yo. w24.12 16 § 7.
Lendi 18 me
[Li] ban nou lavi. — Det. 30:20.
Moyiz, David ak Jan te viv nan epòk ki pa menm ak epòk pa nou an e yo te viv yon seri sitiyasyon ki pa menm ak sitiyasyon pa nou. Men, gen anpil bagay ki fè nou sanble ak yo. Yo te sèvi vrè Dye a, nou menm tou nou fè sa. Menm jan ak yo, nou priye Jewova, nou fè l konfyans e nou kite l gide nou. E menm jan ak mesye sa yo, nou gen asirans Jewova ap beni moun ki obeyi l. Kidonk, ann suiv konsèy mesye sa yo ki te granmoun te bay lè n obeyi kòmandman Jewova yo. Lè n fè sa, n ap reyisi nan tout sa n ap fè. N ap “viv lontan”, wi, pou toutan! E n ap gen kè kontan lefètke nou fè Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou plezi, li menm ki reyalize tout pwomès li fè yo yon fason ki depase tout sa nou ka imajine. — Efe. 3:20. w24.11 13 § 20-21.
Madi 19 me
Bondye mete divès manm nan kongregasyon an. — 1 Kor. 12:28.
Nan premye syèk la, te gen kèk frè ki te sèvitè ministeryèl (1 Tim. 3:8). Sanble se yo ki te “moun k ap ede lòt moun” apot Pòl te pale de yo. Pa gen dout, sèvitè ministeryèl yo te fè anpil travay ki enpòtan, pou ansyen yo te ka plis konsantre sou travay ansèyman an e pou yo te plis konsantre sou pran swen twoupo a. Pa egzanp, petèt sèvitè ministeryèl yo te konn patisipe nan kopye Ekriti yo, oswa petèt yo te konn achte sa yo te bezwen pou fè kopi sa yo. Ann wè kèk travay enpòtan sèvitè ministeryèl yo fè nan kongregasyon an (1 Pyè 4:10). Genyen yo ka bay responsab kontablite kongregasyon an oswa tèritwa, oubyen pou fè kòmann piblikasyon pou pwoklamatè yo jwenn pou yo itilize. Genyen yo ka bay travay nan sèvis odyo videyo oswa nan sèvis akèy oubyen pou ede pran swen Sal Wayòm nan. Tout travay sa yo enpòtan pou fè reyinyon kongregasyon yo pi enteresan e pou travay predikasyon an byen òganize. — 1 Kor. 14:40. w24.10 19 § 4-5.
Mèkredi 20 me
Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan. — Flp. 4:13.
N ap kapab andire nenpòt eprèv, kit yo gwo kit yo piti, si n sonje Jewova vivan e li toujou la pou ede n. Dayè, li Toupisan, e li kapab ban nou fòs pou n andire. Donk, nou gen bonjan rezon pou n andire eprèv nou jwenn paske nou gen konfyans l ap ede n. Lè n wè jan Jewova ede n lè n jwenn eprèv ki pi piti, sa fè n gen konviksyon l ap ede nou tou lè n jwenn pi gwo eprèv. Ann wè de eksperyans Wa David te fè ki te ede l vin gen plis konfyans nan Jewova. Lè David te yon jèn bèje, te gen yon lous ki te ale ak youn nan mouton papa l yo, e te gen yon lyon ki te fè menm bagay la tou. Toule de fwa sa yo, David te met kouraj sou li, li te pati dèyè yo e l te sove mouton yo. Men, David pa t janm met nan tèt li se ak pwòp fòs li li te rive fè sa. Li te konnen se Jewova ki te ba l fòs pou l fè sa (1 Sam. 17:34-37). Lè David te medite sou eksperyans sa yo li te vin gen konfyans Bondye vivan an t ap ba l fòs alavni. w24.06 21 § 5-6.
Jedi 21 me
Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt, e se yon imilyasyon pou li. — Pwo. 18:13.
Ann sipoze yo envite w nan yon ti fèt. Èske w ta dwe ale? Si w pa abitye ak moun ki envite w la oswa ou pa konnen sa k ap gen nan fèt la, w ap bezwen poze l kesyon tankou: “Ki kote e ki lè fèt la ap fèt? Konbyen moun k ap la? Ki moun k ap responsab? Ki moun k ap nan fèt la? Ki sa k ap gen nan fèt la? Èske ap gen bwason ki gen alkòl?” Repons kesyon sa yo ap ede w pou w pran yon bon desizyon. Apre sa, lè w fin gen enfòmasyon w bezwen yo, byen reflechi sou tout ti detay. Pa egzanp, si w aprann gen moun ki pa gen okenn respè pou prensip ki nan Bib la k ap nan fèt la oswa y ap sèvi bwason ki gen alkòl san pa gen moun k ap voye je, èske w gentan wè fèt sa a ka vin san kontwòl (1 Pyè 4:3)? Lè w reflechi ak tout detay sa yo, l ap pi fasil pou w pran yon bon desizyon. w25.01 15 § 4-5.
Vandredi 22 me
Menmsi peche nou yo tankou twal wouj, y ap vin blan kou nèj. — Eza. 1:18.
Jewova sèvi ak lòt konparezon pou ede n konprann fason li efase peche moun ki repanti yo pa mwayen sakrifis ranson an. Li difisil anpil pou n retire yon tach wouj fonse nan yon twal. Sepandan, Jewova sèvi ak konparezon sa a pou l ban nou asirans li kapab tèlman byen lave peche nou yo, li pap wè yo ankò. Jezi te konpare peche ak “dèt”. (Mat. 6:12, nòt.) Donk, chak fwa nou peche kont Jewova se kòmsi nou vin gen plis dèt toujou. Nou gen yon gwo dèt pou li! Men, lè Jewova padone nou, se kòmsi li elimine dèt la. Si l pa t fè sa, dèt sa a t ap ajoute sou dèt nou te deja gen pou li. Jewova pa mande n peye pou peche li deja padone yo. Ala yon bèl egzanp ki montre jan n santi n soulaje lè Jewova padone nou! w25.02 9-10 § 9-10.
Samdi 23 me
Yo pa atann pou se pitit ki sere pou paran, men yo atann pou se paran ki sere pou pitit. — 2 Kor. 12:14.
Paran yo ka bezwen pou pitit yo ede yo lè yo vin granmoun e gen anpil timoun ki kontan fè sa pou yo (1 Tim. 5:4). Men, paran ki kretyen yo konnen se pa lè yo leve pitit yo nan objektif pou timoun sa yo pran swen yo lè yo vin granmoun k ap fè kè yo pi kontan, men se lè yo ede yo vin sèvi Jewova (3 Jan 4). Lè w ap ede pitit ou aprann fason yo ka pran swen tèt yo demen, montre yo ou fè Jewova konfyans. Pandan yo toupiti, montre yo enpòtans pou yo travay di (Pwo. 29:21; Efe. 4:28). Tank y ap grandi, ede yo pou yo byen travay lekòl. Paran ki kretyen yo bezwen fè rechèch pou yo jwenn prensip nan Bib la pou ede pitit yo wè ki sa yo ta dwe aprann. Sa ap ede pitit yo gen sa yo bezwen pou yo pran swen tèt yo e pou yo fè plis nan travay predikasyon an. w25.03 30-31 § 15-16.
Dimanch 24 me
Abiye ak nouvo pèsonalite a. — Efe. 4:24.
Nan Ezayi chapit 65, Jewova esplike ki jan lavi a t ap ye pou moun ki t ap gen pou viv nan paradi espirityèl la. Pwofesi sa a te gen yon premye akonplisman nan ane 537 anvan epòk nou an. Nan epòk sa a, Juif ki te repanti yo te sot ann egzil nan Babilòn e yo te retounen nan peyi yo. Jewova te beni pèp li a e li te ede yo pou yo fè vil Jerizalèm ki te kraze vin bèl ankò e pou yo rekonstwi tanp lan, prensipal kote yo te konn adore Jewova nan peyi Izrayèl (Eza. 51:11; Zak. 8:3). Pwofesi Ezayi a gen yon dezyèm akonplisman ki kòmanse nan ane 1919 epòk nou an lè moun ki t ap adore Jewova nan epòk nou an te sot nan esklavaj nan Gran Babilòn nan. Apre sa, paradi espirityèl la te kòmanse gaye sou tout tè a. Te vin gen anpil kongregasyon ki te gen pwoklamatè Wayòm nan ki chofe nan travay la e ki te demontre yon seri bèl kalite antanke kretyen. Anpil gason ak fi ki te vyolan anvan sa e ki te konn aji tankou bèt te “abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye”. w24.04 20-21 § 3-4.
Lendi 25 me
Chak moun ap pote pwòp chay pa l. — Gal. 6:5.
Nan kèk peyi, yo konn atann se paran oswa lòt granmoun ki chwazi moun pou moun nan fanmi yo ki selibatè. Nan lòt peyi, lè fanmi oswa zanmi yon moun ki selibatè jwenn yon moun ki ka vin mari l, yo chèche yon mwayen pou gason an ak fi a rankontre pou yo wè si y ap ka antann yo. Si yo mande w chèche yon moun pou yon lòt moun, swa pou yo renmen oswa pou yo marye, chèche konnen sa mesyedam yo ta renmen ak sa yo bezwen. Yonfwa w jwenn yon moun li ta ka marye avè l, chèche konnen tout sa w kapab sou pèsonalite moun nan, sou kalite l genyen, e sitou sou relasyon l ak Jewova. Yon bon relasyon ak Jewova pi enpòtan lontan pase lajan, fòmasyon oswa ran sosyal. Men, sonje se frè a ak sè a ki pou pran dènye desizyon pou yo konnen si y ap marye oswa si yo pap marye. w24.05 23 § 11.
Madi 26 me
Yon bon zanmi demontre lanmou toutan. — Pwo. 17:17.
Yon lòt fason nou ka ede moun ki renmen yo se lè n veye sa n ap di. Pafwa, nou ka bezwen kontwole tèt nou (Pwo. 12:18). Pa egzanp, nou ka anvi fè lòt moun konnen de moun renmen, men petèt yo ta renmen se yo ki bay nouvèl la. Nou pa dwe fè tripotay sou moun ki renmen, ni nou pa dwe kritike yo pou bagay ki pa gade nou (Pwo. 20:19; Wom. 14:10; 1 Tes. 4:11). Epitou, moun yo gendwa pa kontan si nou ta poze yo kesyon ki ka fè yo santi yo oblije marye. E si de moun ki renmen deside kraze renmen an? Nou dwe evite foure bouch nan koze a oubyen pran pou youn oswa pou lòt (1 Pyè 4:15). Si de moun ki renmen deside kraze renmen an, sa pa vle di yo echwe. An jeneral, sa montre renmen an te atenn objektif li: li te ede yo pran yon bon desizyon. Men, desizyon sa a ka fè yo soufri. Donk, nou dwe chèche wè fason nou ka ede yo. w24.05 31 § 15-16.
Mèkredi 27 me
Si w dekouraje nan jou malè a, w ap prèske san fòs. — Pwo. 24:10.
Youn nan pi gwo eprèv ki kapab fè n dekouraje, se lè yon moun nan fanmi n oswa yon bon zanmi n sispann sèvi Jewova (Sòm 78:40). Plis nou pwòch ak moun sa a se plis li ka difisil pou n aksepte sitiyasyon an. Si w te viv yon eksperyans ki rèd konsa, egzanp Zadòk te bay antanke moun ki te fidèl kapab ba w fòs. Li te kontinye ret fidèl ak Jewova lè Abyata bon zanmi l te chwazi vire do bay Jewova. Sa te rive pandan Wa David te pran kabann e li pa t lwen mouri. Adonija, pitit gason l, te eseye pran pouvwa a, alòske l te konnen se Salomon Jewova te chwazi pou vin wa (1 Kwo. 22:9, 10). Abyata te chwazi soutni Adonija (1 Wa 1:5-8). Sa Abyata te fè a te montre nonsèlman li pa t fidèl ak David e Zadòk, men tou, li pa t fidèl ak Jewova! Zadòk ak Abyata te kolabore youn ak lòt antanke prèt pandan plizyè dizèn ane. — 2 Sam. 8:17; 15:29; 19:11-14. w24.07 6 § 14-15.
Jedi 28 me
Byennere moun ki toujou ap veye kò l. — Pwo. 28:14.
Nou kapab sèten lè n veye kò n pou n pa tonbe nan tantasyon, sa toujou bon pou nou. Kèlkeswa “plezi [nou ta ka pran] pou yon ti tan” nan peche, lè n suiv prensip Jewova yo, sa ap ban n plis kè kontan lontan (Ebre 11:25; Sòm 19:8). Rezon an se paske Jewova kreye nou pou n viv ann amoni ak prensip li yo (Jen. 1:27). Konsa, konsyans nou ap klè e n ap gen posiblite pou n viv pou toutan (1 Tim. 6:12; 2 Tim. 1:3; Jid 20, 21). Se vre, “chè a fèb”. (Mat. 26:41.) Men, sa pa vle di nou lage poukont nou. Jewova toujou pare pou l ban nou fòs nou bezwen (2 Kor. 4:7). Sepandan, se fòs ki depase fòs ki nòmal la Bondye bay. Se responsablite pa nou pou n sèvi ak fòs ki nòmal la, anpalan de efò nou fè chak jou pou n pa tonbe nan tantasyon. Jewova ap reponn nou lè nou priye l pou n mande plis fòs lè n bezwen sa (1 Kor. 10:13). Vrèmanvre, grasa èd Jewova, nou kapab veye kò n pou n pa tonbe nan tantasyon. w24.07 19 § 19-21.
Vandredi 29 me
Reprimande moun k ap pratike peche yo devan je tout moun. — 1 Tim. 5:20.
Pa mwayen pawòl ki nan tèks pou jounen an, apot Pòl te mande Timote, yon lòt ansyen, pou l “reprimande moun k ap pratike peche yo devan je tout moun”. Ki sa l te vle di? Se pa di l te vle di peche a te fèt “devan je tout moun” nan kongregasyon an. Okontrè, li t ap pale de kèk moun ki gendwa te deja okouran de peche a. Yo gendwa te wè sa k te fèt la ak je yo oswa moun ki fè peche a gendwa te pale ak yo sou sa. Se moun sa yo sèlman ansyen yo ap fè konnen yo te trete sitiyasyon an e yo te korije moun ki te peche a. Nan kèk ka, anpil moun nan kongregasyon an gendwa deja okouran peche ki te fèt la oswa gen anpil posiblite pou yo vin konnen sa ki te fèt la. Nan yon ka konsa, ekspresyon “tout moun” nan gen rapò ak tout kongregasyon an. Se sa k fè, yon ansyen ap fè yon anons nan kongregasyon an pou fè konnen frè entèl oswa sè entèl te resevwa yon reprimann. Pou ki rezon? Men repons Pòl bay: “Pou sa ka yon avètisman pou rès moun yo” pa tonbe nan peche. w24.08 23-24 § 16-17.
Samdi 30 me
Pawòl sa yo, se pawòl Bondye. Se verite yo ye. — Rev. 19:9.
Nou dwe ret okipe nan sèvis Jewova a jiska lafen. Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo dwe kontinye veye pou Jezi ka “pran” yo pou yo ka jwenn rekonpans yo nan syèl la (Mat. 24:40). Se pa ti tann moun sa yo ap tann pou yo “rasanble” bò kote Jezi nan syèl la! Apre lagè Amagedon, yo pral marye ak Jezi lè maryaj Ti mouton an pral fèt (2 Tes. 2:1). Byenke moman pou Jezi fè jijman an ap pwoche byen vit, nou pa gen rezon pou n pè. Si n ret fidèl, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou ap ban nou “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” dekwa “pou nou ka kanpe devan Pitit lòm nan”. (2 Kor. 4:7; Lik 21:36.) Kit nou gen esperans pou n al nan syèl oswa nou gen esperans pou n viv sou tè a, n ap fè kè Papa nou kontan si nou koute avètisman ki nan parabòl Jezi te bay yo. Piske Jewova fè n yon favè san parèy, non nou ap ret “ekri nan liv” lavi a. — Dàn. 12:1; Rev. 3:5. w24.09 24-25 § 19-20.
Dimanch 31 me
Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen. — Sòm 73:28.
Ou ka santi w anpè grasa Pawòl Bondye a. Ki jan? Sonje bon bagay ou genyen, sa gen ladan l benediksyon Jewova, epi sonje moun ki pap sèvi Jewova yo pa gen bagay sa yo. Petèt, yo konte nèt sou sa yo reyalize nan lavi yo paske yo pa gen okenn espwa pou lavni. Men, ou menm, nonsèlman Jewova ba w anpil bon bagay kounye a, men li pwomèt ou l ap ba w pi bèl bagay toujou alavni (Sòm 145:16). Epitou, fè yon ti reflechi: Ou pa ka vrèman konnen ki jan lavi w t ap ye jodi a si w te pran lòt desizyon. Gen yon bagay ki sèten: Moun ki pran desizyon ki baze sou lanmou yo gen pou Bondye ak lanmou pou pwochen yo pa janm manke anyen ki bon. w24.10 27 § 12-13.